\id ZEP \ide UTF-8 \h Sophonie \toc1 SOPHONIE \toc2 Sophonie \toc3 So \mt1 SOPHONIE \c 1 \p \v 1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a. \p \v 2 “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.\x + \xo 1:2 \xo*\xt Jen 6:7\xt*\x* \v 3 Mwen va retire ni \x + \xo 1:3 \xo*\xt És 6:11,12\xt*\x*lòm, ni bèt. Mwen va retire \x + \xo 1:3 \xo*\xt Jr 4:25 \xt*\x*zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a. \v 4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va \x + \xo 1:4 \xo*\xt Mi 5:13\xt*\x*koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout \x + \xo 1:4 \xo*\xt II Wa 23:5 \xt*\x*prèt zidòl yo, \v 5 sila ki adore sou \x + \xo 1:5 \xo*\xt II Wa 23:12 \xt*\x*twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa \x + \xo 1:5 \xo*\xt I Wa 11:5,23\xt*\x*Milcom, \v 6 sila ki te \x + \xo 1:6 \xo*\xt És 1:4\xt*\x*vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki \x + \xo 1:6 \xo*\xt És 9:13 \xt*\x*pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.” \p \v 7 \x + \xo 1:7 \xo*\xt Hab 2:20\xt*\x*Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske \x + \xo 1:7 \xo*\xt So 1:14 \xt*\x*jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo. \v 8 Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va \x + \xo 1:8 \xo*\xt És 24:21\xt*\x*pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak \x + \xo 1:8 \xo*\xt És 2:6 \xt*\x*vètman etranje yo. \v 9 Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.\x + \xo 1:9 \xo*\xt Jr 5:27\xt*\x* \p \v 10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan \x + \xo 1:10 \xo*\xt II Kwo 33:14\xt*\x*Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan \x + \xo 1:10 \xo*\xt II Kwo 34:22 \xt*\x*dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. \v 11 Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp \x + \xo 1:11 \xo*\xt So 2:5 \xt*\x*Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. \v 12 Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki \x + \xo 1:12 \xo*\xt Jr 48:11\xt*\x*deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a \x + \xo 1:12 \xo*\xt Éz 8:12 \xt*\x*p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!” \v 13 Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va \x + \xo 1:13 \xo*\xt Am 5:11 \xt*\x*bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo. \p \v 14 Pre rive se \x + \xo 1:14 \xo*\xt Jr 30:7\xt*\x*gran \x + \xo 1:14 \xo*\xt Éz 7:7-12 \xt*\x*jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. \v 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou \x + \xo 1:15 \xo*\xt És 22:5\xt*\x*gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou \x + \xo 1:15 \xo*\xt Jl 2:2,31 \xt*\x*tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a. \v 16 Yon jou \x + \xo 1:16 \xo*\xt És 27:13 \xt*\x*twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. \v 17 Mwen va mennen \x + \xo 1:17 \xo*\xt Jr 10:18\xt*\x*gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache \x + \xo 1:17 \xo*\xt Det 28:29 \xt*\x*tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. \v 18 Ni \x + \xo 1:18 \xo*\xt Éz 7:19\xt*\x*ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men \x + \xo 1:18 \xo*\xt So 3:8 \xt*\x*tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a. \c 2 \p \v 1 Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon \x + \xo 2:1 \xo*\xt Jr 3:3 \xt*\x*ki pa gen wont, \v 2 avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan \x + \xo 2:2 \xo*\xt Lam 4:11\xt*\x*chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan \x + \xo 2:2 \xo*\xt So 1:18 \xt*\x*jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou. \v 3 \x + \xo 2:3 \xo*\xt Sòm 105:4\xt*\x*Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. \x + \xo 2:3 \xo*\xt Am 5:14,15 \xt*\x*Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a. \v 4 Paske Gaza va vin abandone, e Askalon va vin yon kote dezole. Asdod va chase mete deyò nan mitan jounen, e \x + \xo 2:4 \xo*\xt Am 1:7,8 \xt*\x*Ékron va vin dechouke. \v 5 Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a \x + \xo 2:5 \xo*\xt Éz 25:16 \xt*\x*Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò. \v 6 Konsa bò kot lanmè a va tounen patiraj pou bèt, avèk kay pou bèje e pak pou bann mouton yo.\x + \xo 2:6 \xo*\xt És 5:17\xt*\x* \v 7 Epi kot lanmè a va apatyen a \x + \xo 2:7 \xo*\xt És 11:16\xt*\x*retay lakay Juda a. Yo va fè \x + \xo 2:7 \xo*\xt És 32:14 \xt*\x*patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore davni yo. \v 8 Mwen te tande lè Moab t ap \x + \xo 2:8 \xo*\xt Éz 25:8\xt*\x*vekse nou. Ak \x + \xo 2:8 \xo*\xt Éz 25:3 \xt*\x*malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a. \v 9 Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va \x + \xo 2:9 \xo*\xt És 11:14 \xt*\x*piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.” \v 10 Se sa yo va twouve kon rekonpans \x + \xo 2:10 \xo*\xt És 16:6\xt*\x*ògèy yo, akoz yo te \x + \xo 2:10 \xo*\xt So 2:8 \xt*\x*vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo. \v 11 SENYÈ a va vin \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jl 2:11\xt*\x*tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va \x + \xo 2:11 \xo*\xt Sòm 72:8-11 \xt*\x*adore Li, yo chak nan pwòp plas yo. \p \v 12 Nou menm tou \x + \xo 2:12 \xo*\xt És 18:1-7 \xt*\x*Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen. \p \v 13 Li va \x + \xo 2:13 \xo*\xt És 14:26 \xt*\x*lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè. \v 14 Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. \x + \xo 2:14 \xo*\xt És 14:23 \xt*\x*Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo. \v 15 Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki \x + \xo 2:15 \xo*\xt És 32:9,11 \xt*\x* te viv san refleshi. Li te di nan kè l: \x + \xo 2:15 \xo*\xt És 47:8 \xt*\x*“Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li. \c 3 \p \v 1 Malè a sila ki \x + \xo 3:1 \xo*\xt Jr 5:23\xt*\x*fè rebèl e ki \x + \xo 3:1 \xo*\xt Éz 23:30 \xt*\x*vin souye a; vil k ap oprime tout! \v 2 Fi sa ki pa t obeyi a okenn vwa a. Li \x + \xo 3:2 \xo*\xt Jr 2:30\xt*\x*pa t dakò resevwa enstriksyon. Li pa t mete \x + \xo 3:2 \xo*\xt Sòm 78:22 \xt*\x*konfyans nan SENYÈ a. Li pa t rapwoche de Bondye li a. \p \v 3 \x + \xo 3:3 \xo*\xt Éz 22:27\xt*\x*Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou \x + \xo 3:3 \xo*\xt Jr 5:6 \xt*\x*lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten. \v 4 Pwofèt li yo se moun trèt \x + \xo 3:4 \xo*\xt Jij 9:4\xt*\x*san prensip. \x + \xo 3:4 \xo*\xt Éz 22:26 \xt*\x*Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa. \v 5 SENYÈ a \x + \xo 3:5 \xo*\xt Det 32:4\xt*\x*plen ladwati nan mitan li. Li p ap \x + \xo 3:5 \xo*\xt Sòm 92:15 \xt*\x*fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm. \p \v 6 Mwen te detwi nasyon yo. Ranpa yo dezole nèt. Ri yo te vin \x + \xo 3:6 \xo*\xt Jr 9:12\xt*\x*gate, pou pèsòn moun pa pase. Vil yo fin detwi nèt, pou pa gen moun, \x + \xo 3:6 \xo*\xt So 2:5 \xt*\x*pou pa gen pèsòn ki rete ladan yo. \v 7 Mwen te di: “Sèlman gen lakrent Mwen. \x + \xo 3:7 \xo*\xt Job 36:10 \xt*\x*Resevwa enstriksyon”. Konsa, kote nou rete a pa p vin koupe retire nèt, selon tout sa ke Mwen te deziye pou rive l. Men yo te leve bonè e te konwonpi nan tout zèv yo. \p \v 8 “Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou \x + \xo 3:8 \xo*\xt Éz 38:14-23\xt*\x*rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske \x + \xo 3:8 \xo*\xt So 1:18 \xt*\x*tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an. \p \v 9 Paske nan lè sa a, Mwen va bay a pèp nasyon yo \x + \xo 3:9 \xo*\xt És 19:18 \xt*\x*lèv ki pirifye, pou yo tout ka rele non SENYÈ a, pou sèvi Li de zepòl a zepòl. \v 10 Soti byen lwen rivyè Ethiopie yo, moun ki adore Mwen yo, menm fi dispèse Mwen an va vin \x + \xo 3:10 \xo*\xt És 60:6,7 \xt*\x*pote ofrann ban Mwen. \v 11 Nan jou sa a, ou p ap \x + \xo 3:11 \xo*\xt És 45:17\xt*\x*vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki \x + \xo 3:11 \xo*\xt És 2:12 \xt*\x*plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an. \v 12 Men Mwen va kite pami nou yon pèp ki aflije, ki malere, e yo va chache pwoteksyon yo nan non SENYÈ a.\x + \xo 3:12 \xo*\xt És 14:30; És 50:10 \xt*\x* \v 13 Retay Israël la p ap \x + \xo 3:13 \xo*\xt Sòm 119:3; Za 8:3,16 \xt*\x*fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.” \p \v 14 Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan! \v 15 SENYÈ a te retire \x + \xo 3:15 \xo*\xt Sòm 19:9\xt*\x*jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la \x + \xo 3:15 \xo*\xt Éz 37:26-28 \xt*\x*nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. \v 16 Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: \x + \xo 3:16 \xo*\xt És 35:3,4\xt*\x*Pa pè anyen, O Sion! \x + \xo 3:16 \xo*\xt Job 4:3 \xt*\x*Pa kite men ou vin fèb. \v 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou. \v 18 Mwen va retire de nou sa yo ki gen chagren \x + \xo 3:18 \xo*\xt Sòm 42:2-4 \xt*\x*pou fèt deziye yo. Se yon repwoch yo ye pou ou. \v 19 Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak \x + \xo 3:19 \xo*\xt És 60:14\xt*\x*tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè. \v 20 Nan lè sa a, Mwen va \x + \xo 3:20 \xo*\xt Éz 37:12,21\xt*\x*fè nou antre e nan menm lè sa a, Mwen va rasanble nou ansanm. Anverite, mwen va bannou lonè ak lwanj pami tout nasyon pèp sou latè yo, lè Mwen mennen \x + \xo 3:20 \xo*\xt Jr 29:14 \xt*\x* retounen tout bonè nou devan zye nou, pale SENYÈ a.