\id ZEC \ide UTF-8 \h Zacharie \toc1 ZACHARIE \toc2 Zacharie \toc3 Za \mt1 ZACHARIE \c 1 \p \v 1 Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a \x + \xo 1:1 \xo*\xt Esd 5:1\xt*\x*Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a \x + \xo 1:1 \xo*\xt Né 12:4,16 \xt*\x*Iddo a. Li te di: \v 2 “SENYÈ a te \x + \xo 1:2 \xo*\xt II Kwo 36:16 \xt*\x*fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. \v 3 Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: \x + \xo 1:3 \xo*\xt És 31:6 \xt*\x*“Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. \v 4 “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo \x + \xo 1:4 \xo*\xt Jr 6:17 \xt*\x*pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.\x + \xo 1:4 \xo*\xt És 1:16-19\xt*\x* \v 5 \x + \xo 1:5 \xo*\xt Lam 5:7\xt*\x*Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi \x + \xo 1:5 \xo*\xt Jn 8:52 \xt*\x*pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? \v 6 Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? \p “Konsa yo te repanti, e te di: \x + \xo 1:6 \xo*\xt Lam 2:17 \xt*\x*‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’” \p \v 7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: \v 8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon \x + \xo 1:8 \xo*\xt Za 6:2\xt*\x*cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval \x + \xo 1:8 \xo*\xt Rev 6:2 \xt*\x*blan. \p \v 9 Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?” \p Epi \x + \xo 1:9 \xo*\xt Za 2:3 \xt*\x*zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.” \p \v 10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè \x + \xo 1:10 \xo*\xt Job 1:7 \xt*\x*patwouj sou latè.” \p \v 11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen \x + \xo 1:11 \xo*\xt És 14:7 \xt*\x*tout tè a kalm. Li gen lapè.” \v 12 Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, \x + \xo 1:12 \xo*\xt Sòm 74:10\xt*\x* pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan \x + \xo 1:12 \xo*\xt Jr 25:11 \xt*\x*swasann-dis ane sila yo?” \p \v 13 SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.\x + \xo 1:13 \xo*\xt És 40:1,2\xt*\x* \v 14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen \x + \xo 1:14 \xo*\xt Za 8:2 \xt*\x*jalou depase pou Jérusalem ak Sion. \v 15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki \x + \xo 1:15 \xo*\xt Sòm 123:4; Am 1:11 \xt*\x* alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.” \v 16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap \x + \xo 1:16 \xo*\xt És 54:8-10\xt*\x*retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. \x + \xo 1:16 \xo*\xt Esd 6:14,15 \xt*\x*Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’ \p \v 17 “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: \x + \xo 1:17 \xo*\xt És 44:26 \xt*\x*“Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e \x + \xo 1:17 \xo*\xt Za 2:12 \xt*\x*chwazi Jérusalem ankò.”’” \p \v 18 Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. \v 19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?” \p Li te reponn mwen: “Sa yo se \x + \xo 1:19 \xo*\xt I Wa 22:11 \xt*\x*kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.” \v 20 SENYÈ a te montre mwen kat \x + \xo 1:20 \xo*\xt És 44:12 \xt*\x*gwo bòs fòjewon. \v 21 Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou \x + \xo 1:21 \xo*\xt Sòm 75:10 \xt*\x*fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.” \c 2 \p \v 1 Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon \x + \xo 2:1 \xo*\xt Jr 31:39 \xt*\x*lign mezi nan men l. \v 2 Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?” \p Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”\x + \xo 2:2 \xo*\xt Jr 31:39\xt*\x* \p \v 3 Epi vwala \x + \xo 2:3 \xo*\xt Za 1:9 \xt*\x*zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l. \v 4 Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: \x + \xo 2:4 \xo*\xt Za 1:17\xt*\x*‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki \x + \xo 2:4 \xo*\xt Éz 38:11 \xt*\x*san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann. \v 5 Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon \x + \xo 2:5 \xo*\xt És 4:5 \xt*\x*miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l. \p \v 6 “‘Vini! Vini! \x + \xo 2:6 \xo*\xt Jr 3:18 \xt*\x*Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a. \v 7 ‘Vini Sion! \x + \xo 2:7 \xo*\xt És 48:20 \xt*\x*Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’ \v 8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè \x + \xo 2:8 \xo*\xt És 60:7-9 \xt*\x*glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li. \v 9 Paske, gade byen, Mwen va \x + \xo 2:9 \xo*\xt És 19:16\xt*\x*souke men M sou yo, e yo va vin \x + \xo 2:9 \xo*\xt És 14:2 \xt*\x*piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen. \v 10 Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va \x + \xo 2:10 \xo*\xt Za 2:5 \xt*\x*rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. \v 11 \x + \xo 2:11 \xo*\xt Mi 4:2 \xt*\x*Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou. \v 12 SENYÈ a va \x + \xo 2:12 \xo*\xt Det 32:9\xt*\x*posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va \x + \xo 2:12 \xo*\xt II Kwo 6:6 \xt*\x*chwazi Jérusalem ankò. \v 13 \x + \xo 2:13 \xo*\xt Hab 2:20 \xt*\x*Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.” \c 3 \p \v 1 Konsa, li te montre mwen \x + \xo 3:1 \xo*\xt Esd 5:2\xt*\x*Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Kwo 21:1 \xt*\x*Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li. \v 2 SENYÈ a te di a Satan: \x + \xo 3:2 \xo*\xt Am 4:11 \xt*\x*“SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?” \p \v 3 Alò, Josué te abiye ak \x + \xo 3:3 \xo*\xt Esd 9:15 \xt*\x*rad sal, e te kanpe devan zanj lan. \v 4 Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: \x + \xo 3:4 \xo*\xt És 43:25\xt*\x*“Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te \x + \xo 3:4 \xo*\xt Mi 7:18,19 \xt*\x*retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.” \p \v 5 Mwen te di: “Kite yo mete yon \x + \xo 3:5 \xo*\xt Job 29:14\xt*\x*tiban pwòp sou tèt li.” \p Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote. \p \v 6 Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di: \v 7 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va \x + \xo 3:7 \xo*\xt I Wa 3:14 \xt*\x*mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo. \v 8 Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an \x + \xo 3:8 \xo*\xt És 11:1 \xt*\x*Scion an. \v 9 Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va \x + \xo 3:9 \xo*\xt Jr 31:34 \xt*\x*retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou. \v 10 Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba \x + \xo 3:10 \xo*\xt I Wa 4:25 \xt*\x*pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’” \c 4 \p \v 1 Konsa, \x + \xo 4:1 \xo*\xt Za 1:9\xt*\x*zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li te fè m \x + \xo 4:1 \xo*\xt I Wa 19:5-7 \xt*\x*Leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi. \v 2 Li te di m: “Kisa ou wè?” \p Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bobèch pou chak lanp ki sou li yo.\x + \xo 4:2 \xo*\xt Egz 25:31,37; Rev 4:5\xt*\x* \v 3 Anplis, gen \x + \xo 4:3 \xo*\xt Za 4:11 \xt*\x*de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.” \p \v 4 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye \x + \xo 4:4 \xo*\xt Za 1:9 \xt*\x*mèt mwen?” \p \v 5 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?” \p Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”\x + \xo 4:5 \xo*\xt Za 1:9\xt*\x* \p \v 6 Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: \x + \xo 4:6 \xo*\xt És 11:2-4\xt*\x*‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa \x + \xo 4:6 \xo*\xt II Kwo 32:7-8\xt*\x*Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo. \v 7 ‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’” \p \v 8 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: \v 9 “Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou. \v 10 Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se \x + \xo 4:10 \xo*\xt II Kwo 16:9\xt*\x*zye SENYÈ a k ap \x + \xo 4:10 \xo*\xt Za 1:10 \xt*\x*veye toupatou sou tout tè a.” \p \v 11 Mwen te di li: “Se kisa \x + \xo 4:11 \xo*\xt Za 4:3 \xt*\x*de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?” \p \v 12 Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?” \p \v 13 Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.” \v 14 Li te di: “Sa yo se de moun \x + \xo 4:14 \xo*\xt Egz 29:7 \xt*\x*onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.” \c 5 \p \v 1 Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. \x + \xo 5:1 \xo*\xt Jr 36:2\xt*\x* \v 2 Konsa, li te di mwen: \x + \xo 5:2 \xo*\xt Za 4:2\xt*\x*“Kisa ou wè la a?” \p Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.” \p \v 3 Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki \x + \xo 5:3 \xo*\xt Egz 20:15\xt*\x*vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki \x + \xo 5:3 \xo*\xt Lev 19:12 \xt*\x*fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. \v 4 Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va \x + \xo 5:4 \xo*\xt Os 4:2,3\xt*\x*antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va \x + \xo 5:4 \xo*\xt Lev 14:34,35 \xt*\x*detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.” \p \v 5 Epi \x + \xo 5:5 \xo*\xt Za 1:9 \xt*\x*zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.” \p \v 6 Mwen te di: “Kisa li ye?” \p Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a.\x + \xo 5:6 \xo*\xt Lev 19:36\xt*\x* \v 7 Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.\x + \xo 5:7 \xo*\xt Os 12:7\xt*\x* \v 8 Zanj la te di: “Sa se \x + \xo 5:8 \xo*\xt Os 12:7 \xt*\x*Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an. \p \v 9 Mwen te leve zye m, mwen te gade, e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a \x + \xo 5:9 \xo*\xt Lev 11:13 \xt*\x*sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la. \v 10 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?” \p \v 11 Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi la va pozisyone la sou pwòp baz pa l.” \c 6 \p \v 1 Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade, e vwala \x + \xo 6:1 \xo*\xt Dan 7:3 \xt*\x*te gen kat cha ki t ap soti parèt antre de mòn. Mòn yo te mòn ki fèt an bwonz. \v 2 Nan premye cha a, te gen \x + \xo 6:2 \xo*\xt Za 1:8 \xt*\x*cheval wouj. Nan dezyèm cha a, te gen cheval nwa. \v 3 Nan twazyèm cha a te gen \x + \xo 6:3 \xo*\xt Rev 6:2 \xt*\x*cheval blan. Nan katriyèm cha a, te gen cheval takte yo, tout nan yo byen dyanm. \v 4 Konsa mwen te pale. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: \x + \xo 6:4 \xo*\xt Za 1:9 \xt*\x*“Kisa sa yo ye, mèt mwen?” \p \v 5 Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se \x + \xo 6:5 \xo*\xt Jr 49:36 \xt*\x*kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a. \v 6 Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan \x + \xo 6:6 \xo*\xt Jr 1:14,15\xt*\x*peyi nò a, epi blan yo te soti dèyè yo. Epi takte yo ap prale nan \x + \xo 6:6 \xo*\xt És 43:6 \xt*\x*peyi sid la.” \v 7 Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka \x + \xo 6:7 \xo*\xt Za 1:10 \xt*\x*mache ale retou sou tout latè. Konsa, yo te mache ale retou sou latè a. \p \v 8 Answit, li te rele m. Li te pale pou di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a, e yo te \x + \xo 6:8 \xo*\xt Éz 5:13 \xt*\x*apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.” \p \v 9 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: \x + \xo 6:9 \xo*\xt Za 1:1\xt*\x* \v 10 \x + \xo 6:10 \xo*\xt Esd 7:14-16 \xt*\x*“Pran yon ofrann soti nan egzile yo, soti nan Heldaï, Tobija, ak Jedaeja. Ale nan menm jou a e antre lakay Josias, fis a Sophonie an, kote yo soti Babylone nan. \v 11 Pran ajan ak lò, fè yon \x + \xo 6:11 \xo*\xt II Sam 12:30 \xt*\x*kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. \v 12 Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele \x + \xo 6:12 \xo*\xt És 4:2 \xt*\x*Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a. \v 13 Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va \x + \xo 6:13 \xo*\xt És 9:6\xt*\x*pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon \x + \xo 6:13 \xo*\xt Sòm 110:1,4 \xt*\x*prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’” \v 14 Alò \x + \xo 6:14 \xo*\xt Za 6:11 \xt*\x*kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an. \p \v 15 \x + \xo 6:15 \xo*\xt És 56:6-8 \xt*\x*Sila ki lwen yo va vin bati nan tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an. \c 7 \p \v 1 Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu.\x + \xo 7:1 \xo*\xt Né 1:1\xt*\x* \v 2 Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou \x + \xo 7:2 \xo*\xt I Wa 13:6 \xt*\x*chache favè SENYÈ a, \v 3 pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?”\x + \xo 7:3 \xo*\xt Esd 3:10-12; Za 8:19 \xt*\x* \p \v 4 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: \v 5 “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan \x + \xo 7:5 \xo*\xt Za 1:12\xt*\x*swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou \x + \xo 7:5 \xo*\xt És 1:11,12 \xt*\x*Mwen ke nou te fè jèn nan? \v 6 Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou? \v 7 Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap \x + \xo 7:7 \xo*\xt Jr 22:21; Jr 13:19 \xt*\x*pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’” \p \v 8 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: \v 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: \x + \xo 7:9 \xo*\xt Éz 18:8\xt*\x*‘Ekzekite vrè jijman, e pratike \x + \xo 7:9 \xo*\xt II Sam 9:7 \xt*\x*ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. \v 10 \x + \xo 7:10 \xo*\xt Egz 22:22\xt*\x*Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni \x + \xo 7:10 \xo*\xt Sòm 21:11 \xt*\x* pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’ \v 11 Men yo te \x + \xo 7:11 \xo*\xt Jr 5:3 \xt*\x*refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. \v 12 Yo te fè \x + \xo 7:12 \xo*\xt II Kwo 36:13\xt*\x*kè yo di tankou \x + \xo 7:12 \xo*\xt Jr 17:1 \xt*\x*silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo. \v 13 Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa \x + \xo 7:13 \xo*\xt Pwov 1:24-28 \xt*\x*yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo. \v 14 Men Mwen va \x + \xo 7:14 \xo*\xt Det 4:27\xt*\x*gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou \x + \xo 7:14 \xo*\xt És 60:15 \xt*\x*pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.” \c 8 \p \v 1 Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di: \v 2 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen \x + \xo 8:2 \xo*\xt Za 1:14 \xt*\x*jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.” \p \v 3 Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va \x + \xo 8:3 \xo*\xt Za 2:10,11 \xt*\x*demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’” \p \v 4 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: \x + \xo 8:4 \xo*\xt És 65:20 \xt*\x*“Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li. \v 5 Epi ri vil yo va vin ranpli ak \x + \xo 8:5 \xo*\xt Jr 30:19,20 \xt*\x*jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.” \p \v 6 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonnan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt \x + \xo 8:6 \xo*\xt Jr 32:17,27 \xt*\x*etonnan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo. \p \v 7 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi \x + \xo 8:7 \xo*\xt Sòm 107:3 \xt*\x*lès la, e soti nan peyi lwès la. \v 8 Mwen va \x + \xo 8:8 \xo*\xt So 3:20\xt*\x*mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va \x + \xo 8:8 \xo*\xt Éz 11:20 \xt*\x*pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.” \p \v 9 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a \x + \xo 8:9 \xo*\xt Esd 5:1 \xt*\x*pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati. \v 10 Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, \x + \xo 8:10 \xo*\xt II Kwo 15:5\xt*\x* akoz lènmi li yo. Paske Mwen \x + \xo 8:10 \xo*\xt És 19:2 \xt*\x*te mete tout moun kont pwochen yo. \v 11 Men koulye a, Mwen \x + \xo 8:11 \xo*\xt Sòm 103:9 \xt*\x*p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo. \v 12 “Paske va gen semans \x + \xo 8:12 \xo*\xt Lev 26:3-6\xt*\x*lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye \x + \xo 8:12 \xo*\xt És 61:7 \xt*\x*tout bagay sa yo. \v 13 Li va vin rive ke menm jan nou te yon \x + \xo 8:13 \xo*\xt Jr 29:18\xt*\x*madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon \x + \xo 8:13 \xo*\xt Sòm 72:17 \xt*\x*benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.” \p \v 14 Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te \x + \xo 8:14 \xo*\xt Jr 31:28\xt*\x*gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa \x + \xo 8:14 \xo*\xt Jr 4:28 \xt*\x*t ap repanti, \v 15 konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou \x + \xo 8:15 \xo*\xt Jr 29:11 \xt*\x*fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè! \v 16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale \x + \xo 8:16 \xo*\xt Sòm 15:2\xt*\x*verite a youn lòt, \x + \xo 8:16 \xo*\xt És 9:7 \xt*\x*egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. \v 17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.\x + \xo 8:17 \xo*\xt Pwov 3:29; Za 5:4 \xt*\x* \p \v 18 Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di: \v 19 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan \x + \xo 8:19 \xo*\xt Za 7:3,5\xt*\x*senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk \x + \xo 8:19 \xo*\xt Luc 1:74,75 \xt*\x*lanmou, laverite ak lapè.” \p \v 20 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke \x + \xo 8:20 \xo*\xt Sòm 117:1 \xt*\x*pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil. \v 21 Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit \x + \xo 8:21 \xo*\xt Za 7:2 \xt*\x*chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’ \v 22 Konsa \x + \xo 8:22 \xo*\xt És 2:2,3\xt*\x*anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou \x + \xo 8:22 \xo*\xt Za 8:21 \xt*\x*mande favè SENYÈ a.” \v 23 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va \x + \xo 8:23 \xo*\xt És 45:14-24 \xt*\x*kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’ \c 9 \p \v 1 Yon revelasyon. \q1 Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la, \q1 e l ap poze sou \x + \xo 9:1 \xo*\xt És 17:1\xt*\x*Damas, \q1 paske zye a lòm ak tout trib Israël \q1 se vè SENYÈ a, \q1 \v 2 epi osi vè \x + \xo 9:2 \xo*\xt Jr 49:23\xt*\x*Hamath, ki nan lizyè li a; \q1 \x + \xo 9:2 \xo*\xt Éz 28:2-5,12 \xt*\x*Tyr ak Sidon paske yo saj anpil. \q1 \v 3 Paske Tyr te bati pou kont li yon \x + \xo 9:3 \xo*\xt Jos 19:29\xt*\x*fò; \q1 li te fè depo ajan tankou pousyè, \q1 ak depo \x + \xo 9:3 \xo*\xt I Wa 10:21,27 \xt*\x*lò tankou labou nan lari. \q1 \v 4 Gade byen, SENYÈ a va \x + \xo 9:4 \xo*\xt Éz 26:3-5; És 28:18\xt*\x*rache \q1 tout sa li posede, \q1 e jete tout richès li yo nan lanmè. \q1 Li va devore nèt ak dife a. \b \q1 \v 5 Askalon va wè l e vin pè. \q1 Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè; \q1 epi Ékron, pou sa li te atann va desi. \q1 Anplis ke sa, wa a va peri Gaza \q1 e Askalon va vin pa gen moun. \q1 \v 6 Yon ras mele va vin rete \x + \xo 9:6 \xo*\xt Am 1:8\xt*\x*Asdod \q1 e Mwen va rache ògèy a Filisten yo. \q1 \v 7 Mwen va retire san li, \q1 soti nan bouch li, \q1 ak abominasyon soti nan mitan dan l yo. \q1 Konsa, yo va devni osi yon retay \q1 pou Bondye nou an. \q1 Yo va tankou yon chèf pou Juda, e \q1 Ékron va tankou Jebizyen yo. \q1 \v 8 Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a, \q1 pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen. \q1 Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò. \q1 Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.\x + \xo 9:8 \xo*\xt És 54:14\xt*\x* \b \q1 \v 9 Rejwi anpil, O fi a Sion an! \q1 Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! \q1 Gade byen \x + \xo 9:9 \xo*\xt Sòm 110:1 \xt*\x*wa ou ap vini kote ou; \q1 Li \x + \xo 9:9 \xo*\xt So 3:5\xt*\x*jis e Li gen Sali; \q1 Li enb e Li monte sou yon bourik, \q1 menm yon jenn pòtre, \q1 pitit a yon bourik. \q1 \v 10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, \q1 ansanm ak cheval Jérusalem nan. \q1 Banza lagè a va koupe retire; \q1 Li va pale \x + \xo 9:10 \xo*\xt És 57:19; Sòm 72:8\xt*\x*lapè a nasyon yo. \q1 Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, \q1 e nan Rivyè Euphrate la jis pou l \q1 rive nan dènye pwent tè a. \b \q1 \v 11 Menmjan an pou ou menm tou, \q1 akoz \x + \xo 9:11 \xo*\xt Egz 24:8\xt*\x*san akò Mwen an ki avèk ou, \q1 Mwen te mete prizonye ou yo an libète \q1 soti nan twou fòs ki pa gen dlo a. \q1 \v 12 Retounen nan \x + \xo 9:12 \xo*\xt Jr 16:19\xt*\x*sitadèl la, \q1 O prizonye ki gen lespwa a! \q1 Nan jou sa a menm, Mwen deklare \q1 ke Mwen va \x + \xo 9:12 \xo*\xt És 61:7 \xt*\x*remèt ou doub de sa. \q1 \v 13 Paske Mwen te \x + \xo 9:13 \xo*\xt Jr 51:20 \xt*\x*koube Juda \q1 konsi se te banza Mwen. \q1 Mwen te plen banza a avèk Éphraïm. \q1 Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion, \q1 kont fis ou yo, O Grèce, \q1 e Mwen va fè ou vin tankou \x + \xo 9:13 \xo*\xt Sòm 45:3\xt*\x*nepe \q1 a yon gèrye pwisan. \b \q1 \v 14 Epi SENYÈ a va vin parèt \x + \xo 9:14 \xo*\xt És 31:5; Sòm 18:14\xt*\x*sou yo, \q1 e flèch Li va pati tankou kout loray. \q1 Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, \q1 e Li va mache nan van tanpèt sid yo. \q1 \v 15 \x + \xo 9:15 \xo*\xt És 37:35 \xt*\x*SENYÈ dèzame yo va defann yo. \q1 Yo va \x + \xo 9:15 \xo*\xt Za 12:6\xt*\x*devore, e yo va foule anba pye \q1 ak tout wòch fistibal yo. \q1 Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè. \q1 Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis, \q1 tankou kwen lotèl yo. \b \q1 \v 16 Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va \x + \xo 9:16 \xo*\xt Jr 31:10,11\xt*\x*sove yo \q1 nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a; \q1 paske yo tankou wòch presye, \q1 bijou yon kouwòn k ap klere toupatou \q1 anwo tout peyi Li a. \q1 \v 17 Paske a la gran, bonte Li va gran, \q1 e a la gran, bèlte Li va gran! \q1 Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere \q1 ak diven nèf pou vyèj yo.\x + \xo 9:17 \xo*\xt Jr 31:12,14; Sòm 27:4 \xt*\x* \c 10 \q1 \v 1 Mande pou \x + \xo 10:1 \xo*\xt Jl 2:23 \xt*\x*lapli ki sòti \q1 nan SENYÈ a nan epòk prentan. \q1 Se SENYÈ a ki \x + \xo 10:1 \xo*\xt Jr 10:13\xt*\x*fè nwaj tanpèt yo; \q1 epi se Li ki bay lapli lejè a tout \q1 pou jaden plant yo. \q1 \v 2 Paske \x + \xo 10:2 \xo*\xt Éz 21:21 \xt*\x*zidòl lakay yo pale inikite; \q1 \x + \xo 10:2 \xo*\xt Jr 27:9\xt*\x*divinò yo k ap fè vizyon ki pa vrè, \q1 ke yo repete kòn fo rèv. \q1 Yo bay rekonfò an ven. \q1 Konsa, pèp la mache egare tankou mouton; \q1 yo aflije akoz yo pa gen bèje. \b \q1 \v 3 Kòlè \x + \xo 10:3 \xo*\xt Jr 25:34-36 \xt*\x*Mwen limen kont bèje yo. \q1 Mwen va pini mal kabrit yo, \q1 paske SENYÈ dèzame yo te \x + \xo 10:3 \xo*\xt Éz 34:12\xt*\x*vizite \q1 bann mouton li an lakay Juda, \q1 e Li va fè yo vin tankou cheval \q1 majeste Li nan batay la. \q1 \v 4 De li menm, va vin parèt \x + \xo 10:4 \xo*\xt Luc 20:17\xt*\x*wòch ang lan, \q1 de li menm, pikèt tant lan, \q1 de li menm, banza batay la, \q1 de li menm, tout wa yo ansanm. \q1 \v 5 Yo va tankou mesye pwisan yo, \q1 k ap \x + \xo 10:5 \xo*\xt II Sam 22:43\xt*\x*foule lènmi yo anba pye yo, \q1 nan labou lari a nan batay la. \q1 Yo va goumen, paske SENYÈ a va avèk yo; \q1 epi sila ki monte sou cheval yo va anbwouye. \b \q1 \v 6 Mwen va ranfòse lakay Juda a, Mwen va \q1 sove lakay Joseph la, e \q1 mwen va \x + \xo 10:6 \xo*\xt Za 8:8 \xt*\x*fè yo retounen; \q1 paske Mwen gen \x + \xo 10:6 \xo*\xt És 54:8\xt*\x*konpasyon pou yo. \q1 Konsa, yo va vin konsi Mwen pa t janm rejte yo, \q1 paske Mwen se SENYÈ a, Bondye yo, \q1 e mwen va reponn yo. \q1 \v 7 Éphraïm va vin tankou yon gwo nonm pwisan \q1 e kè yo va kontan konsi se ak diven. \q1 Anverite, pitit yo va wè sa, \q1 e yo va kontan, \q1 kè yo va rejwi nan SENYÈ a.\x + \xo 10:7 \xo*\xt És 54:13\xt*\x* \q1 \v 8 Mwen va soufle pou yo \q1 pou yo kab vin rasanble yo, \q1 paske Mwen te rachte yo. \q1 Konsa, yo va vin \x + \xo 10:8 \xo*\xt Jr 33:22\xt*\x*anpil, \q1 \x + \xo 10:8 \xo*\xt Éz 36:11 \xt*\x*jan yo te ye oparavan an. \q1 \v 9 Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo, \q1 yo va \x + \xo 10:9 \xo*\xt I Wa 8:47,48\xt*\x*sonje Mwen nan peyi lwen yo. \q1 Yo va viv ak pitit yo, \q1 e yo va retounen. \q1 \v 10 Mwen va mennen yo retounen \q1 soti nan peyi Égypte la, \q1 e rasanble yo soti Assyrie. \q1 Mwen va mennen yo antre nan peyi \q1 \x + \xo 10:10 \xo*\xt Jr 50:19\xt*\x*Galaad ak Liban jiskaske \x + \xo 10:10 \xo*\xt És 49:19,20 \xt*\x*pa gen espas pou yo. \q1 \v 11 Li va pase nan \x + \xo 10:11 \xo*\xt És 51:9,10 \xt*\x*lanmè afliksyon an, \q1 e Li va frape lanm lanmè yo, \q1 jiskaske tout pwofondè \x + \xo 10:11 \xo*\xt És 19:5-7\xt*\x* Rivyè Nil lan vin sèch. \q1 Epi ògèy Assyrie va vin bese e \q1 baton Égypte la va sòti. \q1 \v 12 Mwen va ranfòse yo nan SENYÈ a. \q1 Nan non pa Li, yo va mache monte desann” deklare SENYÈ a.\x + \xo 10:12 \xo*\xt Mi 4:5\xt*\x* \c 11 \q1 \v 1 Ouvri pòt ou yo, O Liban, \q1 pou \x + \xo 11:1 \xo*\xt Jr 22:6,7\xt*\x*dife ka devore \x + \xo 11:1 \xo*\xt Éz 31:3 \xt*\x*bwa sèd ou yo. \q1 \v 2 Rele anmwey, O pye siprè a, \q1 paske bwa sèd la fin tonbe, \q1 akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi. \q1 Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo, \q1 paske gran forè a fin tonbe. \q1 \v 3 Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo! \q1 \x + \xo 11:3 \xo*\xt Jr 25:34-36\xt*\x* Paske glwa gran fore yo fin detwi; \q1 yon vwa jenn lyon k ap gwonde a! \q1 Paske ògèy Jourdain nan fin kraze nèt. \p \v 4 Konsa pale SENYÈ a, Bondye mwen an: “Nouri bann mouton k ap\x + \xo 11:4 \xo*\xt Sòm 44:22 \xt*\x*kòche a. \v 5 Sila ki achte yo, kòche yo, e rete san koupabilite. Sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo.\x + \xo 11:5 \xo*\xt Os 12:8; Éz 34:2,3 \xt*\x* \v 6 Paske Mwen \x + \xo 11:6 \xo*\xt Jr 13:14\xt*\x*p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba men pwochen yo, e anba pouvwa a wa li a. Y ap frape peyi a, e Mwen \x + \xo 11:6 \xo*\xt Sòm 50:22 \xt*\x*p ap delivre yo anba pouvwa yo.” \p \v 7 Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; soutou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele \x + \xo 11:7 \xo*\xt Sòm 27:4\xt*\x*Gras e lòt la, mwen te rele li \x + \xo 11:7 \xo*\xt Sòm 133:1 \xt*\x*Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an. \v 8 Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan \x + \xo 11:8 \xo*\xt Os 5:7 \xt*\x*yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou. \v 9 Epi mwen te di: “Mwen p ap nouri nou. Sa ki fèt pou \x + \xo 11:9 \xo*\xt Jr 15:2 \xt*\x*mouri, kite l mouri, e sa ki fèt pou koupe retire nèt, kite l koupe retire. Epi konsa, kite sila ki rete yo manje chè youn lòt.” \v 10 Mwen te pran baton Gras la, e mwen te koupe li an twa mòso pou m te kab \x + \xo 11:10 \xo*\xt Sòm 89:39 \xt*\x*kraze akò ke m te fè ak tout pèp la. \v 11 Konsa, li te kraze nan jou sa a. Epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a.\x + \xo 11:11 \xo*\xt So 3:12\xt*\x* \v 12 Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an.\x + \xo 11:12 \xo*\xt Jen 37:28\xt*\x* \v 13 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè \x + \xo 11:13 \xo*\xt Mat 27:3-10 \xt*\x*bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a. \v 14 Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou \x + \xo 11:14 \xo*\xt És 9:21 \xt*\x*kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la. \p \v 15 SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki \x + \xo 11:15 \xo*\xt És 6:10-12 \xt*\x*san konprann. \v 16 Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki \x + \xo 11:16 \xo*\xt Jr 23:2 \xt*\x*p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo. \v 17 \x + \xo 11:17 \xo*\xt Jr 23:1 \xt*\x*Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.” \c 12 \p \v 1 Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki \x + \xo 12:1 \xo*\xt És 57:16 \xt*\x*kreye lespri a lòm nan anndan l lan. \v 2 “Gade byen, Mwen ap fè Jérusalem vin yon tas ki va fè tout pèp ki antoure l yo, vin toudi. Epi nan lè syèj la kont Jérusalem nan, li va vin osi, kont \x + \xo 12:2 \xo*\xt Za 14:14 \xt*\x*Juda. \v 3 Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon \x + \xo 12:3 \xo*\xt Dan 2:34,35,44,45 \xt*\x*wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li. \v 4 Nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Mwen va frape tout cheval yo pou l dezoryante, e chevalye yo avèk foli. Men Mwen va ouvri zye Mwen sou lakay Juda, pandan Mwen ap frape tout cheval a pèp nasyon yo, pou yo vin avèg. \v 5 Konsa, tout chèf a Juda yo, va di nan kè yo: ‘Moun ki rete Jérusalem yo se fòs mwen nan SENYÈ dèzame yo, Bondye pa yo a.’ \p \v 6 Nan jou sa a, Mwen va fè chèf Juda yo vin tankou yon gwo boukan dife pami mòso bwa yo, ak yon tòch k ap fè flanm dife pami pakèt sereyal yo. Yo va devore tout pèp ki ozanviwon yo, ni sou men dwat yo, ni sou men goch yo, pandan \x + \xo 12:6 \xo*\xt Za 2:4 \xt*\x*sila ki rete Jérusalem yo, va toujou demere nan pwòp lye pa yo Jérusalem. \p \v 7 SENYÈ a va osi \x + \xo 12:7 \xo*\xt Jr 30:18 \xt*\x*sove anpremye tant a Juda yo, pou glwa kay David la, e glwa a sila ki viv rete Jérusalem, p ap depase Juda. \v 8 Nan jou sa a, SENYÈ a va \x + \xo 12:8 \xo*\xt Jl 3:16\xt*\x*defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou \x + \xo 12:8 \xo*\xt Egz 14:19 \xt*\x*zanj SENYÈ a devan yo. \v 9 Epi nan jou sa a, Mwen va \x + \xo 12:9 \xo*\xt Za 14:2,3 \xt*\x*kòmanse detwi tout nasyon ki vini kont Jérusalem yo. \p \v 10 Epi Mwen va \x + \xo 12:10 \xo*\xt És 44:3\xt*\x*vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te \x + \xo 12:10 \xo*\xt Jn 19:37 \xt*\x*pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li. \v 11 Nan jou sa a, va gen \x + \xo 12:11 \xo*\xt Mat 24:30 \xt*\x*gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an. \v 12 Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la, apa, e madanm yo, apa; fanmi lakay Nathan an, apa, e madanm yo apa; \v 13 fanmi lakay Levi, apa, e madanm yo, apa; fanmi a Schimeï yo, apa, e madanm yo, apa; \v 14 tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa; e madanm yo, apa. \c 13 \p \v 1 “Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki \x + \xo 13:1 \xo*\xt Jr 2:13\xt*\x* va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou \x + \xo 13:1 \xo*\xt Sòm 51:2,7 \xt*\x*peche ak salte. \p \v 2 “Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire \x + \xo 13:2 \xo*\xt Jr 23:14,15\xt*\x*pwofèt yo ak \x + \xo 13:2 \xo*\xt I Wa 22:22 \xt*\x*lespri pa pwòp la soti nan peyi a. \v 3 Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou \x + \xo 13:3 \xo*\xt Det 18:20\xt*\x*p ap viv, paske ou \x + \xo 13:3 \xo*\xt Jr 23:35 \xt*\x*pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize. \v 4 Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va \x + \xo 13:4 \xo*\xt Jr 6:15 \xt*\x*vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun; \v 5 men yon pwofèt va di: ‘Mwen \x + \xo 13:5 \xo*\xt Am 7:14 \xt*\x*pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’ \v 6 Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki \x + \xo 13:6 \xo*\xt II Wa 9:24 \xt*\x*nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zami mwen yo.’ \b \q1 \v 7 “Leve, O nepe, kont \x + \xo 13:7 \xo*\xt És 40:11 \xt*\x*bèje Mwen an, \q1 e kont nonm nan ki byen pre M,” \q1 deklare SENYÈ dèzame yo. \q1 Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; \q1 epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo. \q1 \v 8 “Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a, \q1 “Ke \x + \xo 13:8 \xo*\xt És 6:13\xt*\x*de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri; \q1 men twazyèm pati a va rete ladann l. \q1 \v 9 “Konsa, Mwen va mennen fè pase \q1 twazyèm pati a nan dife. \q1 Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, \q1 e pase yo a leprèv tankou lò. \q1 Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. \q1 Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, \q1 e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”\x + \xo 13:9 \xo*\xt És 48:10\xt*\x* \c 14 \p \v 1 Gade byen, yon \x + \xo 14:1 \xo*\xt És 13:6,9; Za 14:14 \xt*\x*jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou. \v 2 Paske Mwen va \x + \xo 14:2 \xo*\xt Za 12:2,3 \xt*\x*rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la. \v 3 Konsa, SENYÈ a va parèt pou \x + \xo 14:3 \xo*\xt Za 9:14,15 \xt*\x*goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la. \v 4 Nan jou sa a, pye Li va \x + \xo 14:4 \xo*\xt Éz 11:23\xt*\x*poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va \x + \xo 14:4 \xo*\xt És 64:1,2 \xt*\x*fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid. \v 5 Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan \x + \xo 14:5 \xo*\xt És 29:6 \xt*\x*tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li! \p \v 6 Nan jou sa a \x + \xo 14:6 \xo*\xt És 13:10 \xt*\x* p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè. \v 7 Li va yon jou inik ki \x + \xo 14:7 \xo*\xt És 45:21\xt*\x*konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan \x + \xo 14:7 \xo*\xt És 58:10 \xt*\x*aswè, va gen limyè. \p \v 8 Li va rive nan jou sa a, \x + \xo 14:8 \xo*\xt Éz 47:1-12 \xt*\x* kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè. \p \v 9 Epi SENYÈ a va \x + \xo 14:9 \xo*\xt És 2:2-4 \xt*\x*wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl. \p \v 10 Tout peyi a va devni yon savann, depi \x + \xo 14:10 \xo*\xt I Wa 15:22\xt*\x*Guéba jis rive \x + \xo 14:10 \xo*\xt Jos 15:32 \xt*\x*Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a. \v 11 Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va \x + \xo 14:11 \xo*\xt Jr 23:5,6 \xt*\x*rete ansekirite. \p \v 12 Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va \x + \xo 14:12 \xo*\xt Lev 26:16 \xt*\x*pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo. \v 13 Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va \x + \xo 14:13 \xo*\xt Za 11:6 \xt*\x*kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la. \v 14 \x + \xo 14:14 \xo*\xt Za 12:2,5 \xt*\x* Anplis, Juda va goumen nan Jérusalem. Richès a tout nasyon ki ozanviwon yo va vin rasanble ansanm; lò, ajan ak vètman an gran kantite. \p \v 15 Jan \x + \xo 14:15 \xo*\xt Za 14:12 \xt*\x*fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo. \p \v 16 Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va \x + \xo 14:16 \xo*\xt És 60:6-9\xt*\x*ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre \x + \xo 14:16 \xo*\xt Lev 23:34-44 \xt*\x*Fèt Tonèl yo. \v 17 Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, \x + \xo 14:17 \xo*\xt Jr 14:3-6 \xt*\x*Lapli p ap tonbe sou yo. \v 18 Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo.\x + \xo 14:18 \xo*\xt Za 14:12,15\xt*\x* \v 19 Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo. \p \v 20 Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: \x + \xo 14:20 \xo*\xt Egz 28:36-38 \xt*\x*“SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo, va tankou bòl devan lotèl yo. \v 21 Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon \x + \xo 14:21 \xo*\xt So 1:11 \xt*\x*Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.