\id RUT \ide UTF-8 \h Ruth \toc1 RUTH \toc2 Ruth \toc3 Rt \mt1 RUTH \c 1 \p \v 1 Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen \x + \xo 1:1 \xo*\xt Jen 12:10\xt*\x*yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti \x + \xo 1:1 \xo*\xt Jij 17:8\xt*\x*Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo. \v 2 Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te \x + \xo 1:2 \xo*\xt Jij 3:30\xt*\x*antre nan peyi Moab la pou te demere la. \v 3 Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo. \v 4 De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane. \v 5 Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li. \v 6 Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te \x + \xo 1:6 \xo*\xt Egz 4:31\xt*\x*vizite pèp li a nan bay yo manje. \v 7 Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda. \v 8 Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. \x + \xo 1:8 \xo*\xt II Tim 1:16\xt*\x*Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou. \v 9 Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.” \p Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye. \v 10 Epi yo te di li: “Non, men n ap retounen avè w vè pèp ou a.” \p \v 11 Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jen 38:11\xt*\x*ta vin mari nou? \v 12 Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis, \v 13 Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m trist pou ka nou yo. \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jij 2:15\xt*\x*Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.” \p \v 14 Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li. \v 15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk \x + \xo 1:15 \xo*\xt Jos 24:15 \xt*\x*dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.” \p \v 16 Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m. \v 17 Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou \x + \xo 1:17 \xo*\xt I Sam 3:17 \xt*\x*SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.” \p \v 18 Lè \x + \xo 1:18 \xo*\xt Trav 21:14\xt*\x*li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò. \p \v 19 Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, \x + \xo 1:19 \xo*\xt Mat 21:10\xt*\x*tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?” \v 20 Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske \x + \xo 1:20 \xo*\xt Egz 6:3\xt*\x*Toupwisan an te aji byen anmè avè m. \v 21 Mwen te sòti plen, men \x + \xo 1:21 \xo*\xt Job 1:21\xt*\x*SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?” \v 22 Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem \x + \xo 1:22 \xo*\xt Egz 9:31\xt*\x*nan kòmansman rekòlt lòj la. \c 2 \p \v 1 Alò Naomi te gen yon fanmi pwòch a mari li, yon nonm avèk anpil richès, ki sòti nan fanmi \x + \xo 2:1 \xo*\xt Rt 1:2\xt*\x*Élimélec, ki te rele Boaz. \v 2 Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale \x + \xo 2:2 \xo*\xt Lev 19:9-10\xt*\x*ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.” \p Epi li te di l: “Ale fi mwen.” \v 3 Konsa, li te sòti pou te ale ranmase nan chan an apre moun rekòlt yo. Epi li te vin rive nan pòsyon chan ki te pou Boaz la, ki te manm fanmi Élimélec la. \p \v 4 Alò vwala, Boaz te sòti Bethléhem pou te di a moun rekòlt yo: \x + \xo 2:4 \xo*\xt Jij 6:12\xt*\x*“Ke SENYÈ a kapab avèk nou.” \p Epi yo te di li: “Ke SENYÈ a beni nou.” \p \v 5 Konsa, Boaz te di a sèvitè li ki te an chaj moun rekòlt yo: “Pou kilès jenn fanm sila a?” \p \v 6 Sèvitè an chaj la te reponn: “Se jenn fanm Moabit ki te retounen avèk Naomi soti nan peyi Moab la. \v 7 Li te di nou: ‘Souple, kite mwen ranmase e sanble apre moun rekòlt yo pami pakèt mwasonyè yo.’ Konsa, li te vini e te rete soti nan maten a jis rive koulye a, sòf ke li te chita nan kay la pou yon ti tan.” \p \v 8 Alò, Boaz te di a Ruth: “Koute byen fi mwen! Pa ale ranmase nan chan lòt moun. Anplis, pa kite chan sila a, men rete isit la avèk sèvant mwen yo. \v 9 Kite zye ou rete sou chan ke yo rekòlte a e swiv yo. Vrèman, mwen te kòmande sèvitè mwen yo pou pa touche ou. Lè ou swaf, ale nan veso dlo yo pou bwè nan sa ke sèvitè yo rale.” \p \v 10 Alò, li te \x + \xo 2:10 \xo*\xt I Sam 25:23\xt*\x*tonbe sou figi li e te bese ba atè. Li te di l: “Poukisa mwen jwenn favè nan zye w konsa, pou ou ta wè m, paske se yon etranje ke mwen ye?” \p \v 11 Boaz te reponn li: “Tout sa ke ou te fè pou bèlmè ou apre lanmò mari ou te deklare nèt a mwen menm; jan ou te kite papa ou avèk manman ou, peyi nesans ou e te vini a yon pèp ke ou pa t menm konnen oparavan. \v 12 \x + \xo 2:12 \xo*\xt I Sam 24:19\xt*\x*Ke SENYÈ a kapab bay ou rekonpans pou travay sa a, e ke salè ou ki sòti nan SENYÈ a vin plen nèt; Li menm Bondye a Israël la, anba zèl a sila ou te vini mande refij la.” \p \v 13 Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.” \p \v 14 Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.” \p Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, \x + \xo 2:14 \xo*\xt Rt 2:18\xt*\x*epi te gen rès ki rete. \v 15 Lè li te leve pou ale ranmase, Boaz te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Kite li ranmase menm pami pakèt yo, pa bay li pwoblèm. \v 16 Anplis, nou va rale kèk nan pakèt yo eksprè e kite li la pou li kapab ranmase e pa repwoche l.” \p \v 17 Konsa Ruth te ranmase nan chan an jis rive nan aswè. Lè li te bat sa li te ranmase yo, li te anviwon yon efa lòj. \v 18 Li te pran li e te lantre nan vil la pou bèlmè li te wè sa ke li te ranmase yo. Li anplis te rale \x + \xo 2:18 \xo*\xt Rt 2:14\xt*\x*bay Naomi sa ki te rete lè li menm te fin satisfè. \p \v 19 Bèlmè li te di li: “Kote ou te ranmase jodi a e kibò ou te travay? Pou sila ki te \x + \xo 2:19 \xo*\xt Sòm 41:1\xt*\x*pran enterè nan ou yo kapab beni!” \p Konsa, li te di bèlmè li avèk ki moun li te travay, epi te di: “Non a mesye a avèk sila mwen te travay jodi a te Boaz.” \v 20 Naomi te di bèlfi li: \x + \xo 2:20 \xo*\xt II Sam 2:5 \xt*\x*“Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.” \p \v 21 Alò Ruth Moabit la te di, “Anplis, li te di mwen: ‘Ou dwe rete pre sèvitè mwen yo jiskaske yo fin fè rekòlt mwen.’” \p \v 22 Naomi te di a Ruth, bèlfi li a: “Sa bon pitit mwen pou ou sòti avèk sèvant li yo, pou kèk lòt moun pa vin tonbe sou ou nan yon lòt chan.” \v 23 Konsa li te rete pre sèvant Boaz yo pou ranmase jiska \x + \xo 2:23 \xo*\xt Det 18:9\xt*\x*fen rekòlt lòj la avèk ble a. Epi li te rete lakay bèlmè li. \c 3 \p \v 1 Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou? \v 2 Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch \x + \xo 3:2 \xo*\xt Det 25:5-10\xt*\x*fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a. \v 3 Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè. \v 4 Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.” \p \v 5 Epi li te di li: \x + \xo 3:5 \xo*\xt Ef 6:1\xt*\x*“Tout sa ou di m fè, mwen va fè l.” \v 6 Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo. \v 7 Lè Boaz te fin manje ak bwè, \x + \xo 3:7 \xo*\xt Jij 19:6-9\xt*\x*kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la. \v 8 Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman sanse yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li. \v 9 Li te di: “Kilès ou ye?” \p Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.” \p \v 10 Epi li te di: \x + \xo 3:10 \xo*\xt Rt 2:20\xt*\x*“Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv. \v 11 Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se \x + \xo 3:11 \xo*\xt Pwov 12:4\xt*\x*yon fanm plen kalite. \v 12 Alò, se vrè ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m. \v 13 Rete pou nwit lan e lè maten rive, \x + \xo 3:13 \xo*\xt Det 25:5\xt*\x*si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.” \p \v 14 Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: \x + \xo 3:14 \xo*\xt Wo 14:16\xt*\x*“Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.” \v 15 Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te lantre nan vil la. \p \v 16 Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?” \p Epi li te di li tout sa ke nonm nan te fè pou li. \v 17 Li te di: “Men sis mezi lòj li te ban mwen yo, paske li te di: ‘Pa kite men a bèlmè ou vid.’” \p \v 18 Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.” \c 4 \p \v 1 Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, \x + \xo 4:1 \xo*\xt Rt 3:12\xt*\x*fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita. \v 2 Li te pran dizòm nan \x + \xo 4:2 \xo*\xt I Wa 21:8\xt*\x*ansyen lavil yo, epi te di: “Vin chita isit la.” Konsa, yo te vin chita. \v 3 Epi li te di a fanmi pwòch la: “Naomi, ki te vin retounen soti nan peyi Moab la, ap oblije vann mòso tè \x + \xo 4:3 \xo*\xt Lev 25:25\xt*\x*ki te pou frè nou an, Élimélec. \v 4 Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.” \p Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.” \p \v 5 Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi a, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab \x + \xo 4:5 \xo*\xt Jen 38:8\xt*\x*fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.” \p \v 6 \x + \xo 4:6 \xo*\xt Lev 25:25\xt*\x*Pwòch fanmi an te di: “Mwen pa kapab peye ranson li pou kont mwen; paske mwen ta mete pwòp eritaj mwen an danje. Peye ranson li pou kont ou; ou kapab genyen dwa ranson pa m nan. Paske, mwen pa kapab peye ranson li.” \v 7 Alò sa se te \x + \xo 4:7 \xo*\xt Det 25:8-10\xt*\x*koutim lontan an Israël pou ranson ak echanj tè pou vin an lòd avèk nenpòt afè. Yon nonm ta retire sapat li, te lonje li bay yon lòt. Se konsa pou te fè atestasyon an Israël. \v 8 Konsa, pwòch fanmi an te di Boaz: “Achte li pou kont ou.” Epi li te retire sandal li. \p \v 9 Alò, Boaz te di a lansyen yo ak tout pèp la: “Nou se temwen jodi a ke mwen te achte soti nan men Naomi tout sa ki te pou Élimélec yo ak tout sa ki te pou Kiljon avèk Machlon yo. \v 10 Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. \x + \xo 4:10 \xo*\xt Det 25:6\xt*\x*Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.” \p \v 11 Tout pèp la te la nan tribinal la ak lansyen yo te di: “Nou se temwen Ke SENYÈ a kapab fè fanm k ap antre lakay ou a \x + \xo 4:11 \xo*\xt Jen 29:25-30\xt*\x*tankou Rachel avèk Léa, tou de ki te bati lakay Israël la. Epi ke ou va reyisi richès ou nan Éphrata e vin rekonèt pa tout moun nan Bethléhem nan. \v 12 Anplis, ke lakay pa w kapab vin tankou lakay \x + \xo 4:12 \xo*\xt Jen 38:29\xt*\x*Pérets, ke Tamar te fè pou Juda, ak desandan ke SENYÈ a va bannou pa jenn fanm sila a.” \p \v 13 Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa \x + \xo 4:13 \xo*\xt Jen 29:31\xt*\x*SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis. \v 14 Alò \x + \xo 4:14 \xo*\xt Luc 1:58\xt*\x*fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël! \v 15 Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou \x + \xo 4:15 \xo*\xt Rt 1:16-17\xt*\x*e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans. \v 16 Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li.” \v 17 Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David. \p \v 18 Alò, sila yo se jenerasyon a Pérets yo: \x + \xo 4:18 \xo*\xt Mat 1:3-6\xt*\x*Pérets te fè Hetsron, \v 19 Hetsron te fè Ram; Ram te fè Amminadab; \v 20 Amminadab te fè Nachschon; Nachschon te fè Salmon; \v 21 Salmon te fè Boaz; Boaz te fè Obed; \v 22 Obed te fè Jessé; epi, Jessé te fè David.