\id ROM \ide UTF-8 \h Women Yo \toc1 WOMEN YO \toc2 Women Yo \toc3 Wo \mt1 WOMEN YO \c 1 \p \v 1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot \x + \xo 1:1 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, \v 2 ke Li te pwomèt oparavan atravè \x + \xo 1:2 \xo*\xt Luc 1:70\xt*\x*pwofèt Li yo nan Ekriti Sen Yo, \v 3 konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David \x + \xo 1:3 \xo*\xt Jn 1:14\xt*\x*selon lachè, \v 4 ki te deklare \x + \xo 1:4 \xo*\xt Mat 4:3\xt*\x*Fis Bondye a avèk pouvwa akoz rezirèksyon Li, ki te fè L sòti nan lanmò, atravè Lespri sentete a, Jésus Kri, Senyè nou an. \v 5 Pa Li menm nou te resevwa gras e te rele kòm apot pou fè parèt \x + \xo 1:5 \xo*\xt Trav 6:7\xt*\x*obeyisans lafwa a pami tout etranje yo pou koz Sen Non Li. \v 6 Pami sila yo nou menm osi te \x + \xo 1:6 \xo*\xt Jd 1\xt*\x*rele pa Jésus Kri. \v 7 A tout sila yo ke Bondye renmen anpil nan Rome, ke Li te rele kòm \x + \xo 1:7 \xo*\xt Trav 9:13\xt*\x*sen yo: gras anvè nou avèk lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a Jésus Kri. \p \v 8 Premyèman \x + \xo 1:8 \xo*\xt I Kor 1:4\xt*\x*mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond. \v 9 Paske Bondye ke mwen \x + \xo 1:9 \xo*\xt Trav 24:14\xt*\x*sèvi nan lespri mwen lè m preche levanjil Fis Li a, se temwen m ke m ap nonmen non nou san rete nan lapriyè mwen yo. \v 10 Toujou nan priyè mwen yo, m ap mande Bondye \x + \xo 1:10 \xo*\xt Trav 18:21\xt*\x*nan volonte L, dènyèman, pou L kite m vin wè nou. \v 11 Paske \x + \xo 1:11 \xo*\xt Trav 19:21\xt*\x*mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli. \v 12 Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou. \p \v 13 Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t realize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jn 4:36\xt*\x*kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo. \v 14 \x + \xo 1:14 \xo*\xt I Kor 9:16\xt*\x*Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo. \v 15 Donk, Pou pati pa m, mwen gen gwo anvi pou \x + \xo 1:15 \xo*\xt Wo 5:20\xt*\x*preche levanjil la a nou menm osi ki nan Rome. \p \v 16 Paske mwen \x + \xo 1:16 \xo*\xt Mc 8:38\xt*\x*pa wont de levanjil la \x + \xo 1:16 \xo*\xt I Kor 1:18,24\xt*\x*paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. \v 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: \x + \xo 1:17 \xo*\xt Hab 2:4\xt*\x*“Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”. \p \v 18 Paske \x + \xo 1:18 \xo*\xt Wo 5:9\xt*\x*lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. \v 19 Paske \x + \xo 1:19 \xo*\xt Trav 14:17\xt*\x*sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. \v 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa \x + \xo 1:20 \xo*\xt Job 12:7-9\xt*\x*byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. \v 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin \x + \xo 1:21 \xo*\xt II Wa 17:15\xt*\x*egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa. \p \v 22 Nan \x + \xo 1:22 \xo*\xt Jr 10:14\xt*\x*pretann ke yo te saj, yo te vin fou, \v 23 epi te \x + \xo 1:23 \xo*\xt Det 4:16-18\xt*\x*ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. \v 24 Konsa \x + \xo 1:24 \xo*\xt Wo 1:26,28\xt*\x*Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. \v 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon \x + \xo 1:25 \xo*\xt És 44:20\xt*\x*bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen. \p \v 26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a \x + \xo 1:26 \xo*\xt I Tes 4:5\xt*\x*pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. \v 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; \x + \xo 1:27 \xo*\xt Lev 22:22\xt*\x*gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. \v 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, \x + \xo 1:28 \xo*\xt Wo 1:24\xt*\x*Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. \v 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. \v 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste \x + \xo 1:30 \xo*\xt II Tim 3:2\xt*\x*dezobeyisan a paran yo, \v 31 san konprann, san entegrite \x + \xo 1:31 \xo*\xt II Tim 3:3\xt*\x*san lanmou, e san mizerikòd. \v 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo \x + \xo 1:32 \xo*\xt Wo 6:2\xt*\x*merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou. \c 2 \p \v 1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou \x + \xo 2:1 \xo*\xt II Sam 12:5-7\xt*\x*jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. \v 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. \v 3 Men èske ou sipoze sa \x + \xo 2:3 \xo*\xt Luc 12:14\xt*\x*o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? \v 4 Oubyen èske ou panse ke \x + \xo 2:4 \xo*\xt Wo 9:23\xt*\x*richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? \v 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, \x + \xo 2:5 \xo*\xt Det 32:34\xt*\x*nou ap ranmase vanjans Bondye \x + \xo 2:5 \xo*\xt Sòm 110:5\xt*\x*pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. \v 6 Li menm \x + \xo 2:6 \xo*\xt Sòm 62:12\xt*\x*va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. \v 7 Sila yo ki \x + \xo 2:7 \xo*\xt Luc 8:15\xt*\x*pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; \v 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. \v 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste \x + \xo 2:9 \xo*\xt Wo 1:16\xt*\x*premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. \p \v 10 Men \x + \xo 2:10 \xo*\xt Wo 2:7\xt*\x*laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. \v 11 Paske avèk Bondye \x + \xo 2:11 \xo*\xt Det 10:17\xt*\x*pa gen patipri. \v 12 Paske tout moun ki fè peche \x + \xo 2:12 \xo*\xt Trav 2:23\xt*\x*san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. \v 13 Paske se pa \x + \xo 2:13 \xo*\xt Mat 7:21,24\xt*\x*sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. \v 14 Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa \x + \xo 2:14 \xo*\xt Trav 10:35\xt*\x*ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. \v 15 Konsa yo demontre ke \x + \xo 2:15 \xo*\xt Wo 2:14,27\xt*\x*zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. \v 16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, \x + \xo 2:16 \xo*\xt Trav 10:42\xt*\x*Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri. \p \v 17 Men si nou pote tit “Jwif”, \x + \xo 2:17 \xo*\xt Mi 3:11\xt*\x*depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye, \v 18 konnen volonte Li, e \x + \xo 2:18 \xo*\xt Fil 1:10\xt*\x*vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a, \v 19 si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo, \v 20 yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm \x + \xo 2:20 \xo*\xt Wo 3:31\xt*\x*vrè baz konesans ak verite a; \v 21 konsa, nou menm \x + \xo 2:21 \xo*\xt Mat 23:3\xt*\x*ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè? \v 22 Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo? \v 23 Nou menm ki \x + \xo 2:23 \xo*\xt Mi 3:11\xt*\x*vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye? \v 24 Paske jan sa ekri a: \x + \xo 2:24 \xo*\xt És 52:5\xt*\x*“Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”. \v 25 Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, \x + \xo 2:25 \xo*\xt Jr 4:4\xt*\x*sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon. \v 26 \x + \xo 2:26 \xo*\xt I Kwo 7:19\xt*\x*Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi \x + \xo 2:26 \xo*\xt Wo 8:4\xt*\x*swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon? \v 27 Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap \x + \xo 2:27 \xo*\xt Mat 12:41\xt*\x*jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a? \v 28 Paske \x + \xo 2:28 \xo*\xt Jn 8:39\xt*\x*sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vrè sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a. \v 29 Men yon vrè Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. \x + \xo 2:29 \xo*\xt Det 30:6\xt*\x*Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. \x + \xo 2:29 \xo*\xt Jn 5:44\xt*\x*Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye. \c 3 \p \v 1 Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen? \v 2 Anpil nan tout aspè. Premyèman \x + \xo 3:2 \xo*\xt Det 4:8\xt*\x*Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo. \v 3 Answit kisa? Si \x + \xo 3:3 \xo*\xt Wo 10:16\xt*\x*kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? \v 4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: \x + \xo 3:4 \xo*\xt Sòm 51:4\xt*\x*“Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.” \p \v 5 Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? \x + \xo 3:5 \xo*\xt Wo 6:19\xt*\x*(M ap pale tankou yon moun)? \v 6 Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman \x + \xo 3:6 \xo*\xt Wo 2:16\xt*\x*Bondye va jije lemond? \v 7 Men si akoz manti pa m \x + \xo 3:7 \xo*\xt Wo 3:4\xt*\x*verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, \x + \xo 3:7 \xo*\xt Wo 9:19\xt*\x*poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè? \v 8 Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): \x + \xo 3:8 \xo*\xt Wo 6:1\xt*\x*“Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis. \v 9 Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. \v 10 Jan sa ekri a: \q1 \x + \xo 3:10 \xo*\xt Sòm 14:1-3\xt*\x*“Pa gen moun ki jis, pa menm youn. \q1 \v 11 Pa gen moun ki gen konprann. \q1 Pa gen moun ki chache Bondye. \q1 \v 12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil. \q1 Pa gen moun ki fè sa ki bon; \q1 pa menm yon sèl. \q1 \v 13 \x + \xo 3:13 \xo*\xt Sòm 5:9\xt*\x*Gòj pa yo se yon tonm tou louvri. \q1 Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon. \q1 \x + \xo 3:13 \xo*\xt Sòm 140:3\xt*\x*Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo. \q1 \v 14 \x + \xo 3:14 \xo*\xt Sòm 10:7\xt*\x*Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon; \q1 \v 15 \x + \xo 3:15 \xo*\xt És 59:7\xt*\x*pye yo kouri rapid pou fè san koule. \q1 \v 16 Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo; \q1 \v 17 epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l. \q1 \v 18 \x + \xo 3:18 \xo*\xt Sòm 36:1\xt*\x*Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.” \p \v 19 Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak \x + \xo 3:19 \xo*\xt Wo 2:12; Wo 3:9\xt*\x*sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. \v 20 Paske \x + \xo 3:20 \xo*\xt Sòm 142:3\xt*\x*pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche. \p \v 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè \x + \xo 3:21 \xo*\xt Wo 1:17\xt*\x*ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. \v 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske \x + \xo 3:22 \xo*\xt Wo 10:12\xt*\x*pa gen patipri. \v 23 Paske tout moun \x + \xo 3:23 \xo*\xt Wo 3:9\xt*\x* peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. \v 24 Men Yo \x + \xo 3:24 \xo*\xt Wo 4:4,16\xt*\x*jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, \v 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon \x + \xo 3:25 \xo*\xt I Jn 2:2\xt*\x*viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. \v 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo. \p \v 27 \x + \xo 3:27 \xo*\xt Wo 2:17,23\xt*\x*Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. \v 28 Paske \x + \xo 3:28 \xo*\xt Trav 13:39\xt*\x*nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. \v 29 Oubyen \x + \xo 3:29 \xo*\xt Trav 10:34\xt*\x*èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. \v 30 Anfèt akoz Bondye \x + \xo 3:30 \xo*\xt Wo 3:22\xt*\x*ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl. \p \v 31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou \x + \xo 3:31 \xo*\xt Mat 5:17\xt*\x*etabli Lalwa a. \c 4 \p \v 1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou \x + \xo 4:1 \xo*\xt Wo 1:3\xt*\x*selon lachè te jwenn kon jijman? \v 2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men \x + \xo 4:2 \xo*\xt I Kwo 1:31\xt*\x*pa devan Bondye. \v 3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: \x + \xo 4:3 \xo*\xt Jen 15:6\xt*\x* “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” \v 4 Alò, nou konnen ke sila ki \x + \xo 4:4 \xo*\xt Wo 11:6\xt*\x*travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. \v 5 Men pou sila ki pa travay la, men \x + \xo 4:5 \xo*\xt Jn 6:29\xt*\x*kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li. \v 6 Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo: \q1 \v 7 \x + \xo 4:7 \xo*\xt Sòm 32:1\xt*\x*“Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo, \q1 e ke peche pa yo gen tan fin kouvri. \q1 \v 8 \x + \xo 4:8 \xo*\xt Sòm 32:2\xt*\x*Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.” \p \v 9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jen 15:6\xt*\x*“Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” \v 10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! \v 11 Li te \x + \xo 4:11 \xo*\xt Jen 17:10\xt*\x*resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a \x + \xo 4:11 \xo*\xt Wo 3:22\xt*\x*tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. \v 12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a. \p \v 13 Paske pwomès a Abraham ak \x + \xo 4:13 \xo*\xt Jen 17:4-6\xt*\x*desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. \v 14 Paske \x + \xo 4:14 \xo*\xt Gal 3:8\xt*\x*si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. \v 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men \x + \xo 4:15 \xo*\xt Wo 3:20\xt*\x*kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon. \p \v 16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa \x + \xo 4:16 \xo*\xt Wo 3:24\xt*\x*gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a \x + \xo 4:16 \xo*\xt Gal 3:7\xt*\x*sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. \v 17 Jan sa ekri a: \x + \xo 4:17 \xo*\xt Jen 17:5\xt*\x*“Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. \v 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: \x + \xo 4:18 \xo*\xt Jen 15:5\xt*\x*“Se konsa tout desandan ou yo va ye”. \v 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske \x + \xo 4:19 \xo*\xt Jen 17:17\xt*\x*li te gen anviwon san lane e \x + \xo 4:19 \xo*\xt Jen 18:11\xt*\x*vant Sarah a te esteril akoz laj li. \p \v 20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e \x + \xo 4:20 \xo*\xt Mat 9:8\xt*\x*te toujou bay Bondye lwanj. \v 21 \x + \xo 4:21 \xo*\xt Wo 14:5\xt*\x*Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. \v 22 Donk \x + \xo 4:22 \xo*\xt Jen 15:6\xt*\x*sa te konte osi pou li kòm ladwati. \v 23 Se \x + \xo 4:23 \xo*\xt Wo 15:4\xt*\x*pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, \v 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila \x + \xo 4:24 \xo*\xt Wo 10:9\xt*\x*ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. \v 25 Li menm ki te \x + \xo 4:25 \xo*\xt És 53:4; 55\xt*\x*livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou. \c 5 \p \v 1 \x + \xo 5:1 \xo*\xt Wo 3:28\xt*\x*Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. \v 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te \x + \xo 5:2 \xo*\xt Ef 2:18\xt*\x*twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. \v 3 Pa sèlman sa, men nou \x + \xo 5:3 \xo*\xt Mat 5:12\xt*\x*rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. \v 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. \v 5 Epi esperans \x + \xo 5:5 \xo*\xt Sòm 119:116\xt*\x*p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen a ki te bay a nou menm nan. \p \v 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, \x + \xo 5:6 \xo*\xt Wo 4:25\xt*\x*Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. \v 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. \v 8 Men Bondye montre tout \x + \xo 5:8 \xo*\xt Jn 3:16\xt*\x*lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou. \p \v 9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye \x + \xo 5:9 \xo*\xt Wo 3:25\xt*\x*pa san li, nou va sove \x + \xo 5:9 \xo*\xt Wo 1:18\xt*\x*de lakòlè Bondye a atravè Li menm. \v 10 Paske, si pandan nou te ankò \x + \xo 5:10 \xo*\xt Wo 11:28\xt*\x*lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li. \p \v 11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan \x + \xo 5:11 \xo*\xt Wo 5:10\xt*\x*rekonsilye. \v 12 Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e \x + \xo 5:12 \xo*\xt Wo 6:23\xt*\x*lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche. \v 13 Paske jiska Lalwa a te rive, peche \x + \xo 5:13 \xo*\xt Wo 4:15\xt*\x*te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa. \v 14 Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo \x + \xo 5:14 \xo*\xt Os 6:7\xt*\x*sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an. \p \v 15 Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa \x + \xo 5:15 \xo*\xt Trav 15:11\xt*\x*lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun. \v 16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske \x + \xo 5:16 \xo*\xt I Kor 11:32\xt*\x*jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. \v 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap \x + \xo 5:17 \xo*\xt II Tim 2:12\xt*\x*renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri. \p \v 18 Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive \x + \xo 5:18 \xo*\xt Wo 4:25\xt*\x*jistifikasyon anvè lavi pou tout moun. \v 19 Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis. \v 20 Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis \x + \xo 5:20 \xo*\xt Wo 6:1\xt*\x*lagras te abonde pi plis toujou. \v 21 Konsa, menm jan ke peche te renye nan lanmò, \x + \xo 5:21 \xo*\xt Jn 1:17\xt*\x*konsa tou lagras te renye pa ladwati, jiska lavi etènèl nan Jésus Kri Senyè nou an. \c 6 \p \v 1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap \x + \xo 6:1 \xo*\xt Wo 3:8\xt*\x*kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? \v 2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? \v 3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan \x + \xo 6:3 \xo*\xt Trav 2:38\xt*\x*Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? \v 4 Konsa, nou gen tan \x + \xo 6:4 \xo*\xt Kol 2:12\xt*\x*antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a. \p \v 5 Paske \x + \xo 6:5 \xo*\xt II Kor 2:10\xt*\x*si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. \v 6 Byen rekonesan ke \x + \xo 6:6 \xo*\xt Ef 4:22\xt*\x*ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. \v 7 Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche. \v 8 Alò \x + \xo 6:8 \xo*\xt Wo 6:4\xt*\x*si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. \v 9 Paske nou konnen ke Kris ki te \x + \xo 6:9 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. \v 10 Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. \v 11 Menm jan konsidere nou menm kòm \x + \xo 6:11 \xo*\xt Wo 6:2\xt*\x*mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri. \p \v 12 Konsa, pa kite peche \x + \xo 6:12 \xo*\xt Wo 6:14\xt*\x*reye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. \v 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men \x + \xo 6:13 \xo*\xt Wo 12:1\xt*\x*prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. \v 14 Paske \x + \xo 6:14 \xo*\xt Wo 8:6\xt*\x*peche pa dwe mèt nou, paske \x + \xo 6:14 \xo*\xt Wo 7:4\xt*\x*nou pa anba Lalwa, men anba gras. \p \v 15 Kisa Ankò? \x + \xo 6:15 \xo*\xt Wo 6:1\xt*\x*Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! \v 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm \x + \xo 6:16 \xo*\xt Jn 8:34\xt*\x*esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? \v 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a \x + \xo 6:17 \xo*\xt II Tim 1:13\xt*\x*menm doktrin ke nou te resevwa a. \v 18 Epi lè nou te \x + \xo 6:18 \xo*\xt Jn 8:32\xt*\x*libere de peche, nou te vin esklav a ladwati. \p \v 19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan \x + \xo 6:19 \xo*\xt Wo 6:13\xt*\x*ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. \v 20 Paske \x + \xo 6:20 \xo*\xt Mat 6:24\xt*\x*lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. \v 21 Donk Ki \x + \xo 6:21 \xo*\xt Jr 12:13\xt*\x*benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. \v 22 Men koulye a ke nou gen tan \x + \xo 6:22 \xo*\xt Jn 8:32\xt*\x*fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl. \v 23 Paske salè a \x + \xo 6:23 \xo*\xt Wo 6:16\xt*\x*peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an. \c 7 \p \v 1 Oubyen èske nou pa konnen, \x + \xo 7:1 \xo*\xt Wo 1:13\xt*\x*frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? \v 2 Paske yon \x + \xo 7:2 \xo*\xt I Kwo 7:39\xt*\x*fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. \v 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason. \v 4 Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te \x + \xo 7:4 \xo*\xt Wo 7:6\xt*\x*oblije mouri \x + \xo 7:4 \xo*\xt Gal 2:19\xt*\x*a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. \v 5 Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo \x + \xo 7:5 \xo*\xt Wo 7:7\xt*\x*leve nan nou, ki t ap travay \x + \xo 7:5 \xo*\xt Wo 6:13,21,23\xt*\x*nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. \v 6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi \x + \xo 7:6 \xo*\xt Wo 6:2\xt*\x*nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a. \p \v 7 Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou \x + \xo 7:7 \xo*\xt Egz 20:17\xt*\x*“lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”. \v 8 Men peche, ki te pran opòtinite atravè\x + \xo 7:8 \xo*\xt Wo 3:20\xt*\x*Lalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri. \v 9 Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri. \v 10 Konsa, kòmandman sa a ki te \x + \xo 7:10 \xo*\xt Lev 18:5\xt*\x*fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen. \v 11 Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, \x + \xo 7:11 \xo*\xt Jen 3:13\xt*\x*te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen. \v 12 \x + \xo 7:12 \xo*\xt Wo 7:16\xt*\x*Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon. \p \v 13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? \x + \xo 7:13 \xo*\xt Luc 20:16\xt*\x*Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. \v 14 Paske nou konnen ke Lalwa a \x + \xo 7:14 \xo*\xt I Kwo 3:1\xt*\x*baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. \v 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike \x + \xo 7:15 \xo*\xt Wo 7:19\xt*\x*sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. \v 16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk \x + \xo 7:16 \xo*\xt Wo 7:12\xt*\x*Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. \v 17 Donk Koulye a \x + \xo 7:17 \xo*\xt Wo 7:20\xt*\x*se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. \v 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan \x + \xo 7:18 \xo*\xt Jn 3:6\xt*\x*chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. \v 19 \x + \xo 7:19 \xo*\xt Wo 7:15\xt*\x*Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. \v 20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, \x + \xo 7:20 \xo*\xt Wo 7:17\xt*\x*mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. \v 21 Donk, mwen twouve kòm\x + \xo 7:21 \xo*\xt Wo 7:23,25\xt*\x*prensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. \v 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji \x + \xo 7:22 \xo*\xt II Kwo 4:16\xt*\x*andedan an, \v 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon \x + \xo 7:23 \xo*\xt Wo 6:19\xt*\x*lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. \v 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan \x + \xo 7:24 \xo*\xt Wo 6:6\xt*\x*kò lanmò sa a? \v 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a. \c 8 \p \v 1 Konsa nanpwen okenn \x + \xo 8:1 \xo*\xt Wo 8:34\xt*\x*kondanasyon pou sila ki nan \x + \xo 8:1 \xo*\xt Wo 8:9\xt*\x*Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. \v 2 Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. \v 3 Paske \x + \xo 8:3 \xo*\xt Trav 13:39\xt*\x*sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, \v 4 pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki \x + \xo 8:4 \xo*\xt Gal 5:16,25\xt*\x*pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. \v 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan \x + \xo 8:5 \xo*\xt Gal 5:19-21\xt*\x*tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou \x + \xo 8:5 \xo*\xt Gal 5:22-25\xt*\x*tout bagay Lespri yo. \v 6 \x + \xo 8:6 \xo*\xt Gal 6:8\xt*\x*Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. \v 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se \x + \xo 8:7 \xo*\xt Jc 4:4\xt*\x*lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. \v 8 Konsa, sila ki \x + \xo 8:8 \xo*\xt Wo 7:5\xt*\x*nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi. \p \v 9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a \x + \xo 8:9 \xo*\xt Jn 14:23\xt*\x*rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. \v 10 \x + \xo 8:10 \xo*\xt Jn 17:23\xt*\x*Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. \v 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te \x + \xo 8:11 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an. \p \v 12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. \v 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap \x + \xo 8:13 \xo*\xt Kol 3:5\xt*\x*mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. \v 14 Paske, tout moun \x + \xo 8:14 \xo*\xt Gal 5:18\xt*\x*ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. \v 15 Paske nou \x + \xo 8:15 \xo*\xt Eb 2:15\xt*\x*pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou \x + \xo 8:15 \xo*\xt Wo 8:23\xt*\x*te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a. \p \v 16 Lespri a Li menm \x + \xo 8:16 \xo*\xt Trav 5:32\xt*\x*temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. \v 17 Si se pitit li nou ye, n ap \x + \xo 8:17 \xo*\xt Trav 20:32\xt*\x*eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l. \p \v 18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a \x + \xo 8:18 \xo*\xt II Kwo 4:17\xt*\x*pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. \v 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi \x + \xo 8:19 \xo*\xt Wo 8:18\xt*\x*revelasyon a fis Bondye yo. \v 20 Paske kreyasyon an te a \x + \xo 8:20 \xo*\xt Jen 3:17-19\xt*\x*sibi anba \x + \xo 8:20 \xo*\xt Sòm 39:5\xt*\x*kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; \v 21 ke \x + \xo 8:21 \xo*\xt Trav 3:21\xt*\x*kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. \v 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap \x + \xo 8:22 \xo*\xt Jr 12:4,11\xt*\x*leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. \v 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen \x + \xo 8:23 \xo*\xt Wo 8:16\xt*\x*premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. \v 24 Paske nou te sove nan espwa, men \x + \xo 8:24 \xo*\xt Wo 4:18\xt*\x*espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? \v 25 Men \x + \xo 8:25 \xo*\xt I Tes 1:3\xt*\x*si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans. \p \v 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men \x + \xo 8:26 \xo*\xt Jn 14:16\xt*\x*Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. \v 27 Men \x + \xo 8:27 \xo*\xt Sòm 139:1\xt*\x*Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a. \p \v 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè \x + \xo 8:28 \xo*\xt Wo 8:32\xt*\x*tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te \x + \xo 8:28 \xo*\xt Wo 8:30\xt*\x*rele selon volonte Li yo. \v 29 Paske sila ke Li te \x + \xo 8:29 \xo*\xt Wo 11:12\xt*\x*konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. \v 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te \x + \xo 8:30 \xo*\xt I Kwo 6:11\xt*\x*jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te \x + \xo 8:30 \xo*\xt Jn 17:22\xt*\x*glorifye yo. \p \v 31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? \x + \xo 8:31 \xo*\xt Sòm 118:6\xt*\x*Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? \v 32 Li menm ki \x + \xo 8:32 \xo*\xt Jn 3:16\xt*\x*pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? \v 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se \x + \xo 8:33 \xo*\xt És 50:8\xt*\x*Bondye menm ki fè moun jis. \v 34 Kilès ki k ap kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki \x + \xo 8:34 \xo*\xt Wo 8:27\xt*\x*ap entèsede pou nou tou. \p \v 35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se \x + \xo 8:35 \xo*\xt II Kwo 4:8\xt*\x*tribilasyon, soufrans \x + \xo 8:35 \xo*\xt I Kwo 4:11\xt*\x*pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? \v 36 Jan sa ekri a: \q1 \x + \xo 8:36 \xo*\xt Sòm 44:22\xt*\x*“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen. \q1 Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.” \p \v 37 Men, nan tout bagay, nou plis ke \x + \xo 8:37 \xo*\xt Jn 16:33\xt*\x*venkè atravè Sila a ki renmen nou an. \v 38 Paske mwen konvenk ke \x + \xo 8:38 \xo*\xt I Kwo 3:22\xt*\x*ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo \v 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de \x + \xo 8:39 \xo*\xt Wo 5:8\xt*\x*lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an. \c 9 \p \v 1 \x + \xo 9:1 \xo*\xt II Kwo 11:10\xt*\x*M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an, \v 2 ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen. \v 3 Paske mwen \x + \xo 9:3 \xo*\xt Egz 32:32\xt*\x*te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, \x + \xo 9:3 \xo*\xt Wo 11:14\xt*\x*selon lachè. \v 4 Yo se \x + \xo 9:4 \xo*\xt Egz 4:22\xt*\x*Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo; \v 5 ki gen patriyach yo, e \x + \xo 9:5 \xo*\xt Mat 1:1-16\xt*\x*ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen. \p \v 6 Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. \x + \xo 9:6 \xo*\xt Wo 2:28\xt*\x*Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël, \v 7 ni \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jn 8:23\xt*\x*se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jen 21:12\xt*\x*“Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”. \v 8 Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men \x + \xo 9:8 \xo*\xt Wo 4:13,16\xt*\x*zanfan a pwomès la ki konsidere kòm erityè yo. \v 9 Paske men pawòl a pwomès la: \x + \xo 9:9 \xo*\xt Jen 18:10\xt*\x*“Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.” \v 10 Epi se pa sèlman sa, men te gen\x + \xo 9:10 \xo*\xt Jen 25:21\xt*\x*Rebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou. \v 11 Paske \x + \xo 9:11 \xo*\xt Wo 4:17\xt*\x*malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la, \v 12 Li te di a Rebecca: \x + \xo 9:12 \xo*\xt Jen 25:23\xt*\x*“Pi gran an va sèvi pi piti a”. \v 13 Jan sa ekri a: \x + \xo 9:13 \xo*\xt Mal 1:2\xt*\x*“Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”. \p \v 14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! \v 15 Paske Li di a Moïse: \x + \xo 9:15 \xo*\xt Egz 33:19\xt*\x*“Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” \v 16 Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de \x + \xo 9:16 \xo*\xt Ef 2:8\xt*\x*Bondye ki vle bay mizerikòd la. \v 17 Paske \x + \xo 9:17 \xo*\xt Egz 9:16\xt*\x*Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” \v 18 Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè \x + \xo 9:18 \xo*\xt Egz 4:21\xt*\x*kè di a sila Li pito a. \p \v 19 Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? \x + \xo 9:19 \xo*\xt II Kwo 20:6\xt*\x*Kilès ki kab reziste a volonte Li.” \v 20 Okontrè, \x + \xo 9:20 \xo*\xt Job 33:13\xt*\x*kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? \x + \xo 9:20 \xo*\xt És 29:16\xt*\x*Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? \v 21 Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? \v 22 Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè \x + \xo 9:22 \xo*\xt Pwov 16:4\xt*\x*ki te prepare pou detwi yo. \v 23 Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè \x + \xo 9:23 \xo*\xt Wo 2:4\xt*\x*richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, \v 24 menm nou menm ke Li te rele osi yo, \x + \xo 9:24 \xo*\xt Wo 3:29\xt*\x*non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo. \v 25 Jan Li di osi nan Osée a: \q1 \x + \xo 9:25 \xo*\xt Os 2:23\xt*\x*“Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’, \q1 e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’” \q1 \v 26 “Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: \x + \xo 9:26 \xo*\xt Os 1:10\xt*\x*‘Nou pa pèp mwen’, \q1 la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’” \q1 \v 27 Ésaïe te kriye fò pou Israël: \q1 \x + \xo 9:27 \xo*\xt És 10:22\xt*\x*“Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”. \q1 \v 28 \x + \xo 9:28 \xo*\xt És 10:23\xt*\x*“Paske Bondye va egzekite pawòl Li sou latè avèk vitès, san manke anyen. \p \v 29 Epi jan Ésaïe te prevwa a: \q1 \x + \xo 9:29 \xo*\xt És 1:9\xt*\x*“Amwenske Senyè dèzame yo pa t kite yon posterite pou nou, \q1 nou ta devni tankou Sodome; \q1 nou ta sanble Gomorrhe.” \p \v 30 Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, \x + \xo 9:30 \xo*\xt Wo 1:17\xt*\x*ladwati menm ki pa lafwa a. \v 31 Men Israël \x + \xo 9:31 \xo*\xt És 51:1\xt*\x*ki t ap chèche yon lwa ladwati, pa t rive nan lwa sa a. \v 32 Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou \x + \xo 9:32 \xo*\xt És 8:14\xt*\x*wòch bite a. \v 33 Jis jan sa ekri a: \q1 \x + \xo 9:33 \xo*\xt És 28:16\xt*\x*“Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite; \q1 \x + \xo 9:33 \xo*\xt És 8:14\xt*\x*yon wòch k ap yon ofans, \q1 e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.” \c 10 \p \v 1 Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. \v 2 Paske mwen temwaye de yo ke yo \x + \xo 10:2 \xo*\xt Trav 21:20\xt*\x*gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. \v 3 Paske san konesans de \x + \xo 10:3 \xo*\xt Wo 1:17\xt*\x*ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. \v 4 Paske \x + \xo 10:4 \xo*\xt Wo 7:1-4\xt*\x*Kris fè lalwa a ranpli pou ladwati de tout sila ki kwè yo. \p \v 5 Moïse te ekri ke moun \x + \xo 10:5 \xo*\xt Lev 18:5\xt*\x*ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. \v 6 Men \x + \xo 10:6 \xo*\xt Wo 9:30\xt*\x*ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: \x + \xo 10:6 \xo*\xt Det 30:12\xt*\x*“Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) \v 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou \x + \xo 10:7 \xo*\xt Eb 13:20\xt*\x*mennen Kris sòti nan lanmò).” \v 8 Men kisa sa di? \x + \xo 10:8 \xo*\xt Det 30:14\xt*\x*“Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, \v 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke \x + \xo 10:9 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. \v 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. \v 11 Paske Ekriti Sen an di: \x + \xo 10:11 \xo*\xt És 28:16\xt*\x*“Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.” \p \v 12 Paske \x + \xo 10:12 \xo*\xt Wo 3:22,29\xt*\x*pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. \v 13 Konsa, \x + \xo 10:13 \xo*\xt Jl 2:32\xt*\x*“Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” \v 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li \x + \xo 10:14 \xo*\xt Ef 2:17\xt*\x*si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san \x + \xo 10:14 \xo*\xt Trav 8:31\xt*\x*yon predikatè? \v 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: \q1 \x + \xo 10:15 \xo*\xt És 52:7\xt*\x*“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl \q1 a bon bagay bèl yo!” \p \v 16 Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: \x + \xo 10:16 \xo*\xt És 53:1\xt*\x*“Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” \v 17 Konsa lafwa soti nan \x + \xo 10:17 \xo*\xt Gal 3:2,5\xt*\x*tande, e tande pa \x + \xo 10:17 \xo*\xt Kol 3:16\xt*\x*pawòl a Kris la. \v 18 Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: \q1 \x + \xo 10:18 \xo*\xt Sòm 19:4\xt*\x*“Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.” \q1 Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a. \b \p \v 19 Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di: \q1 \x + \xo 10:19 \xo*\xt Det 32:21\xt*\x*“M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon; \q1 avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.” \b \p \v 20 Ésaïe, ak kouraj te di: \x + \xo 10:20 \xo*\xt És 65:1\xt*\x*“Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo; \q1 Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.” \b \p \v 21 Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.” \c 11 \p \v 1 Konsa, mwen mande: Èske Bondye \x + \xo 11:1 \xo*\xt I Sam 12:22\xt*\x*rejte pèp Li a? Pa janm panse sa! Paske mwen se yon Izrayelit tou, yon desandan Abraham, ki sòti nan tribi Benjamin an. \v 2 Bondye \x + \xo 11:2 \xo*\xt Sòm 94:14\xt*\x*pa janm rejte pèp Li a ke Li te konnen oparavan an. Èske ou pa konnen sa Ekriti a di nan pasaj sou Élie, jan li te plede avèk Bondye kont Israël? \v 3 “Senyè \x + \xo 11:3 \xo*\xt I Wa 19:10,14\xt*\x*yo touye pwofèt ou yo; yo kraze lotèl ou yo. Se mwen sèl ki rete, e y ap chèche touye m tou.” \v 4 Men ki repons ojis Bondye te bay li?: \x + \xo 11:4 \xo*\xt I Wa 19:18\xt*\x*“Mwen kenbe pou Mwen menm sèt-mil òm ki pa t mete ajenou devan Baal.” \v 5 Nou konprann menm jan ke nan tan prezan pa nou anplis, nou twouve yon retay nan pèp la pa gras ak chwa Bondye. \v 6 Men \x + \xo 11:6 \xo*\xt Wo 4:4\xt*\x*si se pa gras sa rive, li pa baze ankò sou zèv. Otreman li pa t ap gras ankò. Men si se pa zèv, li pa gras ankò. Otreman, zèv se pa zèv ankò. \p \v 7 Alò, Kisa? Sa ke \x + \xo 11:7 \xo*\xt Wo 9:31\xt*\x*Israël ap cheche a, sa a, li pa t twouve. Men sila yo ki te chwazi pa Bondye, te twouve l, e rès la te vin \x + \xo 11:7 \xo*\xt Mc 6:52\xt*\x*di nan kè. \v 8 Jis jan sa te ekri a: \x + \xo 11:8 \xo*\xt Det 29:4\xt*\x*“Bondye te bay yo yon espri sòt, zye pou yo pa wè, ak zòrèy pou yo pa tande jiska menm jou sila a.” \p \v 9 Konsa, David di: \q1 \x + \xo 11:9 \xo*\xt Sòm 69:22\xt*\x*“Kite tab yo devni yon pèlen ak yon pyèj; \q1 yon wòch bite ak yon chatiman pou yo. \q1 \v 10 \x + \xo 11:10 \xo*\xt Sòm 69:23\xt*\x*Kite zye yo vin nwa pou yo pa wè \q1 ak do yo koube pou tout tan.” \p \v 11 Konsa, mwen mande: “Yo pa t glise tonbe nèt”? Se pa sa! Sa p ap janm rive konsa! Men pa transgresyon pa yo, \x + \xo 11:11 \xo*\xt Trav 28:28\xt*\x*sali a gen tan rive a pèp etranje yo pou fè yo jalou. \v 12 Alò, si transgresyon pa yo se richès pou mond lan, e echèk pa yo se richès pou pèp etranje yo, konbyen anplis \x + \xo 11:12 \xo*\xt Wo 11:25\xt*\x*pou lè yo menm reyisi? \p \v 13 Paske m ap pale avèk nou menm ki se pèp etranje yo. Otan ke \x + \xo 11:13 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*mwen menm se yon apòt a pèp etranje yo, mwen leve sèvis ministè pa m byen wo. \v 14 Men pou si l ta ka vin fèt (ke pa yon mwayen oswa yon lòt), si mwen ta kapab eksite pwòp pèp mwen an a jalouzi, pou m ta kapab \x + \xo 11:14 \xo*\xt I Kwo 1:21\xt*\x*sove kèk, mwen ta fè l. \v 15 Paske si rejeksyon pa yo se \x + \xo 11:15 \xo*\xt Wo 5:11\xt*\x*rekonsilyasyon pou tout mond lan, kisa l ap ye menm lè yo vin aksepte, sof ke lavi k ap sòti nan lanmò. \p \v 16 Si \x + \xo 11:16 \xo*\xt Nonb 15:18\xt*\x*premye mòso ki sòti nan pat pen an sen, tout rès la ap sen tou, e si rasin lan sen, tout branch yo ap sen tou. \v 17 Men si kèk nan \x + \xo 11:17 \xo*\xt Jn 15:2\xt*\x*branch yo te kase retire, epi \x + \xo 11:17 \xo*\xt Ef 2:11\xt*\x*ou menm, kòm yon oliv sovaj, te vin grefe pami yo, e te devni yon pati vivan avèk yo nan gwo rasin pye oliv la, \v 18 pa vin awogan anvè branch yo. Men si ou ta vin awogan, sonje ke \x + \xo 11:18 \xo*\xt Jn 4:22\xt*\x*se pa ou menm ki bay soutyen a rasin lan, men li menm ki bay ou soutyen. \v 19 \x + \xo 11:19 \xo*\xt Wo 9:19\xt*\x*Konsa ou va di: “Men branch yo te kase pou m te kab vin grefe ladan yo”. \v 20 Se sa li ye; yo te kase akoz de enkwayans yo, men \x + \xo 11:20 \xo*\xt Wo 5:2\xt*\x*ou kanpe pa lafwa ou. Pa vin fè pretansye, men gen lakrent. \v 21 Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis. \v 22 Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, \x + \xo 11:22 \xo*\xt I Kwo 15:2\xt*\x*si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou. \v 23 Konsa, yo menm tou \x + \xo 11:23 \xo*\xt II Kwo 3:16\xt*\x*si yo pa kontinye nan enkwayans yo, y ap grefe ladann ankò. Paske Bondye toujou kapab grefe yo ladann. \v 24 Paske si ou te koupe soti nan yon bwa ki pa nati li, te yon bwa oliv sovaj, e ou te vin grefe kont nati, nan yon bwa oliv ki kiltive, konbyen anplis tout branch sila yo ki se branch natirèl va grefe nan bwa oliv orijinal la. \p \v 25 Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila a\x + \xo 11:25 \xo*\xt Wo 12:16\xt*\x*pouke ou vin sipoze ou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre. \v 26 Konsa, tout Israël va sove. Jis jan sa ekri a: \q1 \x + \xo 11:26 \xo*\xt És 59:20\xt*\x*“Sila k ap delivre a va sòti de Sion. \q1 Li va retire enkwayans a Jacob.” \q1 \v 27 \x + \xo 11:27 \xo*\xt És 59:21\xt*\x*“Sa se akò Mwen avèk yo; \q1 lè Mwen va retire peche pa yo.” \p \v 28 Nan bi bòn nouvèl la, yo menm se lènmi pou benefis pa nou. Men selon bi chwa Bondye a, yo se byeneme pou \x + \xo 11:28 \xo*\xt Wo 8:28\xt*\x*benefis a zansèt yo. \v 29 Paske kado ak \x + \xo 11:29 \xo*\xt Wo 8:28\xt*\x*apèl Bondye pa revokab. \v 30 Menm jan ke yon fwa ou te nan dezobeyisans a Bondye, men koulye a Li bannou gras akoz dezobeyisans a Jwif yo, \v 31 konsa, yo menm tou dezobeyisan koulye a, men akoz mizerikòd Bondye gen tan bannou, yo kapab twouve gras tou. \v 32 Paske \x + \xo 11:32 \xo*\xt Wo 3:9\xt*\x*Bondye gen tan fèmen nou tout nan dezobeyisans pou li kapab montre nou tout mizerikòd li. \p \v 33 O, pwofondè \x + \xo 11:33 \xo*\xt Wo 2:4\xt*\x*richès a \x + \xo 11:33 \xo*\xt Kol 2:3\xt*\x*sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann! \q1 \v 34 Paske \x + \xo 11:34 \xo*\xt És 40:13\xt*\x*“Kilès ki konnen panse a Senyè a?” \q1 Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?” \q1 \v 35 Oswa \x + \xo 11:35 \xo*\xt Job 35:7\xt*\x*“Kilès ki konn bay Li yon bagay \q1 pou Li kapab repeye li ankò?” \p \v 36 Paske \x + \xo 11:36 \xo*\xt I Kwo 8:6\xt*\x*soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen. \c 12 \p \v 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou \x + \xo 12:1 \xo*\xt Wo 6:13,19\xt*\x*prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. \v 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa \x + \xo 12:2 \xo*\xt Ef 4:23\xt*\x*renouvèlman lespri nou, pou nou kapab \x + \xo 12:2 \xo*\xt Ef 5:10,17\xt*\x*pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen. \p \v 3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou \x + \xo 12:3 \xo*\xt Wo 11:20\xt*\x*pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. \v 4 Paske \x + \xo 12:4 \xo*\xt I Kwo 12:12-14\xt*\x*menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, \v 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè \x + \xo 12:5 \xo*\xt I Kwo 12:20,27\xt*\x*yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. \v 6 Akoz nou gen don ki \x + \xo 12:6 \xo*\xt Wo 12:3\xt*\x*pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; \v 7 si se \x + \xo 12:7 \xo*\xt Trav 6:1\xt*\x*fè sèvis, nan sèvi moun, si se \x + \xo 12:7 \xo*\xt Trav 13:1\xt*\x*enstwi, nan enstwi, \v 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; \x + \xo 12:8 \xo*\xt I Tim 5:17\xt*\x*si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan. \p \v 9 Se pou nou renmen \x + \xo 12:9 \xo*\xt II Kwo 6:6\xt*\x*san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. \v 10 \x + \xo 12:10 \xo*\xt Jn 13:34\xt*\x*Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. \v 11 Pa fè bak nan dilijans, rete \x + \xo 12:11 \xo*\xt Trav 18:25\xt*\x*zele nan lespri nou, ak \x + \xo 12:11 \xo*\xt Trav 20:19\xt*\x*nan sèvis Senyè a, \v 12 \x + \xo 12:12 \xo*\xt Wo 5:2\xt*\x*rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon \x + \xo 12:12 \xo*\xt Trav 5:14\xt*\x*pèsevere nan lapriyè. \v 13 \x + \xo 12:13 \xo*\xt II Kwo 9:1\xt*\x*Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou \x + \xo 12:13 \xo*\xt Mat 25:35\xt*\x*pratike ospitalite. \p \v 14 \x + \xo 12:14 \xo*\xt Mat 5:44\xt*\x*Beni sila ki pèsekite nou yo, bay benediksyon e pa bay madichon. \v 15 \x + \xo 12:15 \xo*\xt Job 30:25\xt*\x*Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo. \v 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. \x + \xo 12:16 \xo*\xt Pwov 3:7\xt*\x*Pa konprann ke se nou menm ki saj. \v 17 \x + \xo 12:17 \xo*\xt Pwov 20:22\xt*\x*Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. \v 18 Si se posib, otan ke li depann de nou \x + \xo 12:18 \xo*\xt Mc 9:50\xt*\x*rete anpè avèk tout moun. \v 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: \x + \xo 12:19 \xo*\xt Det 32:35\xt*\x*“Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a. \q1 \v 20 \x + \xo 12:20 \xo*\xt II Wa 6:22\xt*\x*“Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje; \q1 e si li swaf, bay li bwè. \q1 Paske lè nou fè l konsa, nou sanble moso chabon cho sou tèt li.” \p \v 21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon. \c 13 \p \v 1 Chak moun dwe \x + \xo 13:1 \xo*\xt Tit 3:1\xt*\x*obeyisan ak otorite gouvènman yo. Paske pa gen otorite sof ke li sòti nan Bondye, e sila ki egziste yo etabli pa Bondye. \v 2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo. \v 3 Paske \x + \xo 13:3 \xo*\xt I Pi 2:14\xt*\x*sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj. \v 4 Paske li menm se sèvitè Bondye anvè nou menm pou sa ki bon. Men si nou fè sa ki mal, fòk nou pè; paske li pa pote nepe pou granmesi. Paske li se yon sèvitè Bondye, yon \x + \xo 13:4 \xo*\xt I Tes 4:6\xt*\x*vanjè k ap pote kòlè sou sila ki pratike mechanste yo. \v 5 Konsa, li nesesè pou nou soumèt nou. Sa pa fèt sèlman akoz krent lakòlè a, men osi \x + \xo 13:5 \xo*\xt Ekl 8\xt*\x*akoz bon konsyans pa nou. \v 6 Se pou sa tou ke nou toujou peye taks leta a; paske sila k ap gouvène yo se sèvitè Bondye ki te plase espre pou sèvis sa a. \v 7 \x + \xo 13:7 \xo*\xt Mat 22:21\xt*\x*Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo. \p \v 8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a. \v 9 Konsa \x + \xo 13:9 \xo*\xt Egz 20:13\xt*\x*“Pa fè adiltè, Pa touye moun, Pa vòlè, pa gen lanvi pou sa ki nan lòt”, epi si gen lòt kòmandman, li ranpli nan pawòl sa a: \x + \xo 13:9 \xo*\xt Lev 19:18\xt*\x*“Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou.” \v 10 Lanmou pa janm fè mal a yon vwazen, konsa \x + \xo 13:10 \xo*\xt Mat 7:12\xt*\x*lanmou toujou akonpli lalwa a. \p \v 11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou \x + \xo 13:11 \xo*\xt Mc 13:37\xt*\x*leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. \v 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout \x + \xo 13:12 \xo*\xt Ef 5:11\xt*\x*zèv tenèb yo, e abiye nou ak \x + \xo 13:12 \xo*\xt Ef 6:11,13\xt*\x*pwotèj limyè a. \v 13 Annou \x + \xo 13:13 \xo*\xt I Tes 4:12\xt*\x*gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. \v 14 Men \x + \xo 13:14 \xo*\xt Job 29:14\xt*\x*abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo. \c 14 \p \v 1 Alò \x + \xo 14:1 \xo*\xt Trav 28:2\xt*\x*aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. \v 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men \x + \xo 14:2 \xo*\xt Wo 14:1\xt*\x*sila ki fèb la manje sèlman legim. \v 3 Sila ki manje a pa dwe \x + \xo 14:3 \xo*\xt Luc 18:9\xt*\x*meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. \v 4 \x + \xo 14:4 \xo*\xt Wo 9:20\xt*\x*Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe. \p \v 5 \x + \xo 14:5 \xo*\xt Gal 4:10\xt*\x*Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun \x + \xo 14:5 \xo*\xt Wo 4:21\xt*\x*vin byen konvenk nan konsyans pa li. \v 6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman. \v 7 Paske pa gen youn nan nou ki \x + \xo 14:7 \xo*\xt Wo 8:38\xt*\x*viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li. \v 8 Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. \x + \xo 14:8 \xo*\xt Luc 20:38\xt*\x*Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a. \v 9 Pou rezon sa a \x + \xo 14:9 \xo*\xt Rev 1:18\xt*\x*Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab \x + \xo 14:9 \xo*\xt Fil 2:11\xt*\x*Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan. \p \v 10 Men nou menm, poukisa nou jije frè nou an? Oswa, nou menm ankò, poukisa nou meprize frè nou an? Paske \x + \xo 14:10 \xo*\xt Wo 2:16\xt*\x*nou tout va kanpe devan chèz jijman Bondye a. \v 11 Paske sa ekri: \q1 \x + \xo 14:11 \xo*\xt És 45:23\xt*\x*“Jan Mwen vivan an, di Senyè a, \q1 tout jenou ap bese devan Mwen, \q1 e tout lang ap bay lwanj a Bondye”. \p \v 12 Konsa \x + \xo 14:12 \xo*\xt Mat 12:36\xt*\x*nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye. \p \v 13 Konsa, annou \x + \xo 14:13 \xo*\xt Mat 7:1\xt*\x*pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou \x + \xo 14:13 \xo*\xt I Kwo 8:13\xt*\x*pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè. \v 14 Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke \x + \xo 14:14 \xo*\xt Trav 10:15\xt*\x*pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la. \v 15 Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, \x + \xo 14:15 \xo*\xt Ef 5:2\xt*\x*nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an. \v 16 Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal. \v 17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati \x + \xo 14:17 \xo*\xt Wo 15:13\xt*\x*lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. \v 18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm. \v 19 Donk konsa, nou \x + \xo 14:19 \xo*\xt Sòm 34:14\xt*\x*pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt. \v 20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men \x + \xo 14:20 \xo*\xt I Kwo 8:9-12\xt*\x*yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. \v 21 \x + \xo 14:21 \xo*\xt I Kwo 8:13\xt*\x*Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite. \v 22 Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki \x + \xo 14:22 \xo*\xt I Jn 3:21\xt*\x*pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve. \v 23 Men \x + \xo 14:23 \xo*\xt Wo 14:5\xt*\x*sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche. \c 15 \p \v 1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès \x + \xo 15:1 \xo*\xt Wo 14:1\xt*\x*sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. \v 2 Ke chak en de nou \x + \xo 15:2 \xo*\xt I Kwo 9:22\xt*\x*fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. \v 3 Paske \x + \xo 15:3 \xo*\xt II Kwo 8:9\xt*\x*menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: \x + \xo 15:3 \xo*\xt Sòm 69:9\xt*\x*“Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” \v 4 Paske \x + \xo 15:4 \xo*\xt Wo 4:23\xt*\x*tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. \v 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an \x + \xo 15:5 \xo*\xt Wo 12:16\xt*\x*kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: \v 6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a \x + \xo 15:6 \xo*\xt Rev 1:6\xt*\x*Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri. \p \v 7 Konsa \x + \xo 15:7 \xo*\xt Wo 14:1\xt*\x*aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a. \v 8 Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a \x + \xo 15:8 \xo*\xt Mat 15:24\xt*\x*sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo; \v 9 epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a: \q1 \x + \xo 15:9 \xo*\xt II Sam 22:50\xt*\x*“Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo, \q1 e mwen va chante Non Ou.” \p \v 10 Li di ankò: \q1 \x + \xo 15:10 \xo*\xt Det 32:43\xt*\x*“Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.” \p \v 11 Epi ankò: \q1 \x + \xo 15:11 \xo*\xt Sòm 117:1\xt*\x*“Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo! \q1 Kite tout pèp yo ba Li lwanj.” \p \v 12 Esaïe di ankò: \q1 \x + \xo 15:12 \xo*\xt És 11:10\xt*\x*“Li va gen rasin Jessé a; \q1 Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo. \q1 Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.” \p \v 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an. \p \v 14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk \x + \xo 15:14 \xo*\xt I Kwo 1:5\xt*\x*tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. \v 15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz \x + \xo 15:15 \xo*\xt Wo 12:3\xt*\x*gras Bondye ke mwen resevwa a, \v 16 pou m kapab yon \x + \xo 15:16 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou \x + \xo 15:16 \xo*\xt Wo 12:1\xt*\x*ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. \v 17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan \x + \xo 15:17 \xo*\xt Eb 2:17\xt*\x*bagay ki apatyen a Bondye. \v 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke \x + \xo 15:18 \xo*\xt Trav 15:12\xt*\x*Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, \v 19 nan pouvwa sign ak mirak yo \x + \xo 15:19 \xo*\xt Wo 15:13\xt*\x*nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. \v 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen \x + \xo 15:20 \xo*\xt I Kwo 3:10\xt*\x*pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, \v 21 Men jan sa ekri a: \q1 \x + \xo 15:21 \xo*\xt És 52:15\xt*\x*“Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè, \q1 e sila ki pa tande yo va konprann”. \p \v 22 Pou rezon sa a byen souvan \x + \xo 15:22 \xo*\xt Wo 1:13\xt*\x*mwen anpeche vin kote nou. \v 23 Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi \x + \xo 15:23 \xo*\xt Trav 19:21\xt*\x*anpil ane mwen anvi vin wè nou, \v 24 nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab \x + \xo 15:24 \xo*\xt Trav 15:3\xt*\x*ede m fin rive la apre mwen fin \x + \xo 15:24 \xo*\xt Wo 1:12\xt*\x*rejwi de prezans nou pandan kèk tan. \v 25 Men koulye a \x + \xo 15:25 \xo*\xt Trav 19:21\xt*\x*mwen prale Jérusalem pou \x + \xo 15:25 \xo*\xt Trav 24:17\xt*\x*sèvi fidèl yo. \v 26 Paske legliz yo nan \x + \xo 15:26 \xo*\xt Trav 16:9\xt*\x*Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. \v 27 Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske \x + \xo 15:27 \xo*\xt I Kwo 9:11\xt*\x*si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl. \v 28 Konsa, lè m fin fè sa, e \x + \xo 15:28 \xo*\xt Jn 3:33\xt*\x*mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la. \v 29 Mwen konnen ke \x + \xo 15:29 \xo*\xt Trav 19:21\xt*\x*lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la. \p \v 30 Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa \x + \xo 15:30 \xo*\xt Kol 1:8\xt*\x*lanmou Lespri a, pou \x + \xo 15:30 \xo*\xt I Kwo 1:11\xt*\x*fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm \v 31 pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou \x + \xo 15:31 \xo*\xt Wo 15:25\xt*\x*sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, \v 32 pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa \x + \xo 15:32 \xo*\xt Trav 18:21\xt*\x*volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm. \v 33 Pou koulye a \x + \xo 15:33 \xo*\xt Wo 16:20\xt*\x*ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen. \c 16 \p \v 1 Mwen \x + \xo 16:1 \xo*\xt II Kwo 3:1\xt*\x*rekòmande a nou sè nou Phoebé, yon sèvant legliz ki nan Cenchrée a. \v 2 Pou nou resevwa li nan non Senyè a nan yon jan ke fidèl yo ta dwe fè, e pou nou ede li nan nenpòt bezwen ke li kapab genyen. Paske li menm\x + \xo 16:2 \xo*\xt Fil 2:29\xt*\x* se yon èd pou anpil lòt moun, ak pou mwen menm tou. \p \v 3 Salye \x + \xo 16:3 \xo*\xt Trav 18:2\xt*\x*Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris, \v 4 moun ki te riske pwòp tèt yo pou lavi m. Se pa sèlman a yo menm ke m di mèsi, men a tout legliz pèp etranje yo. \v 5 Salye osi tout \x + \xo 16:5 \xo*\xt I Kwo 16:19\xt*\x*legliz la ki reyini lakay yo a. Salye Épaïnète, zanmi byeneme m, ki te premye konvèti an Asie a. \v 6 Salye Marie ki travay di pou nou. \v 7 Salye Andronicus ak Junias, paran mwen yo, e \x + \xo 16:7 \xo*\xt Kol 4:10\xt*\x*prizonye parèy mwen yo, ki byen remakab pami apot yo, e ki te nan Kris la avan m. \v 8 Salye Amplias, zanmi byeneme m nan Senyè a. \v 9 Salye Urbain, ouvriye parèy a nou \x + \xo 16:9 \xo*\xt Wo 8:11\xt*\x*nan Kris la ak Stachys, zanmi byeneme m nan. \v 10 Salye Apellès, ki apwouve \x + \xo 16:10 \xo*\xt Wo 8:11\xt*\x*nan Kris la; salye sila ki lakay Aristobule yo. \v 11 Salye Hérodion \x + \xo 16:11 \xo*\xt Wo 9:3\xt*\x*fanmi mwen. Salye sila ki lakay Narcisse yo, ki nan Senyè a. \v 12 Salye Tryphène ak Tryphose, ouvriye nan Senyè a. Salye Perside, byeneme a, ki travay di nan Senyè a. \v 13 Salye \x + \xo 16:13 \xo*\xt Mc 15:21\xt*\x*Rufus, yon nonm chwazi nan Senyè a, manman li osi e ki tankou manman pa m tou. \v 14 Salye Asyncrite, Phlégon, Hermès, Patrobas, Hermas, ak tout frè ki avèk yo. \v 15 Salye Philologue ak Julie, Nérée ak sè li, e Olympe, e tout \x + \xo 16:15 \xo*\xt Wo 16:2,14\xt*\x*fidèl ki avèk yo. \v 16 \x + \xo 16:16 \xo*\xt I Kwo 16:20\xt*\x*Salye youn lòt avèk yon bo ki sen. Tout legliz Kris la salye nou. \p \v 17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. \x + \xo 16:17 \xo*\xt Mat 7:18\xt*\x*Vire do nou ba yo menm. \v 18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak \x + \xo 16:18 \xo*\xt Kol 2:4\xt*\x*pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo. \v 19 Paske rapò obeyisans nou an \x + \xo 16:19 \xo*\xt Wo 1:8\xt*\x*gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal. \v 20 \x + \xo 16:20 \xo*\xt Wo 15:33\xt*\x*Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè. \p Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou. \p \v 21 \x + \xo 16:21 \xo*\xt Trav 16:1\xt*\x*Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen. \v 22 Mwen menm, Tertius \x + \xo 16:22 \xo*\xt I Kwo 16:21\xt*\x*k ap ekri lèt sa a, salye nou nan Senyè a. \v 23 \x + \xo 16:23 \xo*\xt Trav 19:29\xt*\x*Gaïus ki te ban m kote pou m rete ak tout legliz la, salye nou. Éraste, trezorye vil la salye nou ak Quartus osi, frè a. \v 24 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen. \v 25 Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo, \v 26 men koulye a ki vin manifeste, selon \x + \xo 16:26 \xo*\xt Wo 1:2\xt*\x*Ekriti Sen a pwofèt yo, ak kòmandman a Bondye etènèl la, ki vin konnen pa tout nasyon yo, ki mennen rive a \x + \xo 16:26 \xo*\xt Wo 1:5\xt*\x*obeyisans lafwa a. \v 27 A Bondye sèl ki saj la, atravè Jésus Kris \x + \xo 16:27 \xo*\xt Wo 11:36\xt*\x*ki se laglwa pou tout tan an. Amen.