\id PHP \ide UTF-8 \h Filipyen Yo \toc1 FILIPYEN YO \toc2 Filipyen Yo \toc3 Fil \mt1 FILIPYEN YO \c 1 \p \v 1 Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk \x + \xo 1:1 \xo*\xt Trav 20:28\xt*\x*dirijan legliz ak dyak yo tou: \v 2 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Wo 1:7\xt*\x*Lagras pou nou, ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a Jésus Kri. \p \v 3 \x + \xo 1:3 \xo*\xt Wo 1:8\xt*\x*Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. \v 4 Mwen toujou ap \x + \xo 1:4 \xo*\xt Wo 1:9\xt*\x*ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, \v 5 akoz de patisipasyon nou nan \x + \xo 1:5 \xo*\xt Fil 1:7\xt*\x*levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. \v 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska \x + \xo 1:6 \xo*\xt I Kor 1:8\xt*\x*jou a Kris Jésus a. \v 7 Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. \v 8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a. \p \v 9 Mwen priye konsa, pou \x + \xo 1:9 \xo*\xt I Tes 3:12\xt*\x*lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan \x + \xo 1:9 \xo*\xt Kol 1:9\xt*\x*vrè konesans, avèk tout bon jijman. \v 10 Pou nou kapab \x + \xo 1:10 \xo*\xt Wo 2:18\xt*\x*vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska \x + \xo 1:10 \xo*\xt I Kor 1:8\xt*\x*jou a Kris la; \v 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jc 3:18\xt*\x*fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye. \p \v 12 Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo \x + \xo 1:12 \xo*\xt Luc 21:13\xt*\x*vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. \v 13 Paske anprizonman mwen pou koz a \x + \xo 1:13 \xo*\xt Fil 1:7\xt*\x*Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. \v 14 Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen \x + \xo 1:14 \xo*\xt Trav 4:31\xt*\x*plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent. \v 15 Asireman \x + \xo 1:15 \xo*\xt II Kor 11:13\xt*\x*kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite. \v 16 Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a \x + \xo 1:16 \xo*\xt Fil 1:5,7,12,27\xt*\x*levanjil la. \v 17 Premye sa yo pwoklame Kris \x + \xo 1:17 \xo*\xt Wo 2:8\xt*\x*avèk anbisyon pèsonèl, olye santiman de bon kè, akoz yo panse ke sa ka fè m chagren nan anprizonman mwen an. \p \v 18 Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen. \v 19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè \x + \xo 1:19 \xo*\xt II Kor 1:11\xt*\x*lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a. \v 20 Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou \x + \xo 1:20 \xo*\xt I Kor 6:20\xt*\x*egzalte nan kò m \x + \xo 1:20 \xo*\xt Wo 14:8\xt*\x*kit se nan lavi kit se nan lanmò. \v 21 Paske pou mwen menm \x + \xo 1:21 \xo*\xt Gal 2:20\xt*\x*viv se Kris e mouri se avantaj. \v 22 Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay \x + \xo 1:22 \xo*\xt Wo 1:13\xt*\x* mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito. \v 23 Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta \x + \xo 1:23 \xo*\xt II Kor 5:8\xt*\x*anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, \v 24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm. \v 25 \x + \xo 1:25 \xo*\xt Fil 2:24\xt*\x*Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa. \v 26 Konsa \x + \xo 1:26 \xo*\xt II Kor 5:12\xt*\x*konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò. \p \v 27 Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki \x + \xo 1:27 \xo*\xt Ef 4:1\xt*\x*dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la, \v 28 san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon \x + \xo 1:28 \xo*\xt II Tes 1:5\xt*\x*sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye. \v 29 Paske, a nou menm \x + \xo 1:29 \xo*\xt Mat 5:11,12\xt*\x*li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li. \v 30 Konsa nou ap pase menm \x + \xo 1:30 \xo*\xt Kol 1:29\xt*\x*konfli entèn ke nou te wè m pase a, e koulye a tande k ap fèt nan mwen. \c 2 \p \v 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen \x + \xo 2:1 \xo*\xt II Kor 13:14\xt*\x*amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, \v 2 \x + \xo 2:2 \xo*\xt Jn 3:29\xt*\x*fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. \v 3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb \x + \xo 2:3 \xo*\xt Wo 12:10\xt*\x*gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. \v 4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo. \p \v 5 \x + \xo 2:5 \xo*\xt Mat 11:29\xt*\x*Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a \v 6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye \x + \xo 2:6 \xo*\xt Jn 5:18\xt*\x*pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, \v 7 men te \x + \xo 2:7 \xo*\xt II Kor 8:9\xt*\x*vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te \x + \xo 2:7 \xo*\xt Eb 2:17\xt*\x*vin fèt nan imaj a lòm. \v 8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin \x + \xo 2:8 \xo*\xt Mat 26:39\xt*\x*obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. \v 9 Akòz tout sa, Bondye te \x + \xo 2:9 \xo*\xt Mat 28:18\xt*\x*egzalte Li byen wo, e te bay Li \x + \xo 2:9 \xo*\xt Ef 1:21\xt*\x*non ki pi wo pase tout non yo, \v 10 pouke nan non a Jésus a \x + \xo 2:10 \xo*\xt És 45:23\xt*\x*tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo \v 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jn 13:13\xt*\x*Senyè a pou laglwa Bondye Papa a. \p \v 12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen \x + \xo 2:12 \xo*\xt Eb 5:9\xt*\x*fè travay sali nou an avèk \x + \xo 2:12 \xo*\xt II Kor 7:15\xt*\x*lakrent ak tranbleman. \v 13 Paske se \x + \xo 2:13 \xo*\xt Wo 12:3\xt*\x*Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li. \p \v 14 Fè tout bagay san \x + \xo 2:14 \xo*\xt I Kor 10:10\xt*\x*plenyen ni diskite. \v 15 Konsa nou va \x + \xo 2:15 \xo*\xt Luc 1:6\xt*\x*san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon \x + \xo 2:15 \xo*\xt Det 32:5\xt*\x*jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, \v 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t \x + \xo 2:16 \xo*\xt Gal 2:2\xt*\x*kouri anven, ni \x + \xo 2:16 \xo*\xt És 49:4\xt*\x*travay anven. \v 17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon \x + \xo 2:17 \xo*\xt II Tim 4:6\xt*\x*bwason k ap ofri kòm \x + \xo 2:17 \xo*\xt Nonb 28:6,7\xt*\x*sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout. \p \v 18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m. \p \v 19 Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou \x + \xo 2:19 \xo*\xt Fil 2:23\xt*\x*voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. \v 20 Paske m pa gen okenn lòt moun ak \x + \xo 2:20 \xo*\xt I Kor 16:10\xt*\x*yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou. \v 21 Paske yo tout \x + \xo 2:21 \xo*\xt I Kor 10:24\xt*\x*chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a. \v 22 Men nou konnen \x + \xo 2:22 \xo*\xt Wo 5:4\xt*\x*prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li. \v 23 \x + \xo 2:23 \xo*\xt Fil 2:19\xt*\x*Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen. \v 24 Men \x + \xo 2:24 \xo*\xt Fil 1:25\xt*\x*mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè. \p \v 25 Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, \x + \xo 2:25 \xo*\xt Wo 16:3,9,21\xt*\x*ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. \v 26 Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. \v 27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. \v 28 Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. \v 29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e \x + \xo 2:29 \xo*\xt I Kor 16:18\xt*\x*kenbe an wo estim moun tankou li, \v 30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou \x + \xo 2:30 \xo*\xt I Kor 16:17\xt*\x*konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm. \c 3 \p \v 1 Finalman, frè m yo \x + \xo 3:1 \xo*\xt Fil 2:18\xt*\x*rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm. \p \v 2 Veye \x + \xo 3:2 \xo*\xt Sòm 22:16\xt*\x*chen yo, veye \x + \xo 3:2 \xo*\xt II Kor 11:13\xt*\x*ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. \v 3 Paske \x + \xo 3:3 \xo*\xt Wo 2:29\xt*\x*nou menm se vrè sikonsizyon an, ki \x + \xo 3:3 \xo*\xt Jn 4:23\xt*\x*adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè. \v 4 Byenke \x + \xo 3:4 \xo*\xt II Kor 5:16\xt*\x*mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa: \v 5 \x + \xo 3:5 \xo*\xt Luc 1:59\xt*\x*sikonsi nan uityèm jou a, ne nan \x + \xo 3:5 \xo*\xt Wo 11:1\xt*\x*nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen; \v 6 kòm zele, yon \x + \xo 3:6 \xo*\xt Trav 8:3\xt*\x*pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot. \p \v 7 Men \x + \xo 3:7 \xo*\xt Luc 14:33\xt*\x*nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. \v 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. \x + \xo 3:8 \xo*\xt Jr 9:23\xt*\x*Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. \v 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk \x + \xo 3:9 \xo*\xt Wo 10:5\xt*\x*ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, \x + \xo 3:9 \xo*\xt Wo 9:30\xt*\x*ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. \v 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak \x + \xo 3:10 \xo*\xt Wo 6:5\xt*\x*pouvwa a rezirèksyon Li an, ak \x + \xo 3:10 \xo*\xt Wo 8:17\xt*\x*lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, \v 11 pou m ta kapab \x + \xo 3:11 \xo*\xt I Kor 15:23\xt*\x*rive menm nan rezirèksyon a lanmò a. \v 12 Se pa ke m \x + \xo 3:12 \xo*\xt I Kor 9:24\xt*\x*rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an. \p \v 13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; \x + \xo 3:13 \xo*\xt Luc 9:62\xt*\x*se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, \v 14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondye\x + \xo 3:14 \xo*\xt Wo 8:28\xt*\x*nan Kris Jésus a. \v 15 Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa \x + \xo 3:15 \xo*\xt Jn 6:45\xt*\x*Bondye va osi revele sa a nou. \v 16 Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye \x + \xo 3:16 \xo*\xt Gal 6:16\xt*\x*viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse. \p \v 17 Frè m yo \x + \xo 3:17 \xo*\xt I Kor 4:16\xt*\x*vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon \x + \xo 3:17 \xo*\xt I Pi 5:3\xt*\x*modèl ke nou gen nan nou an. \v 18 Paske \x + \xo 3:18 \xo*\xt II Kor 11:13\xt*\x*anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi \x + \xo 3:18 \xo*\xt Gal 6:14\xt*\x*lakwa a Kris la, \v 19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo \x + \xo 3:19 \xo*\xt Wo 16:18\xt*\x*apeti yo, e ki gen pou \x + \xo 3:19 \xo*\xt Wo 6:21\xt*\x*glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo. \v 20 Paske pou nou menm \x + \xo 3:20 \xo*\xt Ef 2:19\xt*\x*sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, \v 21 ki va \x + \xo 3:21 \xo*\xt I Kor 15:43-53\xt*\x*transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L. \c 4 \p \v 1 Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo. \p \v 2 Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou \x + \xo 4:2 \xo*\xt Fil 2:2\xt*\x*viv an amoni nan Senyè a. \v 3 Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen \x + \xo 4:3 \xo*\xt Luc 10:20\xt*\x*non yo nan liv lavi a. \p \v 4 Toujou \x + \xo 4:4 \xo*\xt Fil 3:1\xt*\x*rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! \v 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. \x + \xo 4:5 \xo*\xt I Kor 16:22\xt*\x*Senyè a toupre. \v 6 \x + \xo 4:6 \xo*\xt Mat 6:25\xt*\x*Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa \x + \xo 4:6 \xo*\xt Ef 6:18\xt*\x*lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. \v 7 Epi konsa, \x + \xo 4:7 \xo*\xt És 26:3\xt*\x*lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a. \p \v 8 Finalman, frè m yo \x + \xo 4:8 \xo*\xt Wo 14:18\xt*\x*nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. \v 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè \x + \xo 4:9 \xo*\xt Fil 3:17\xt*\x*nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou. \p \v 10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. \v 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m \x + \xo 4:11 \xo*\xt II Kor 9:8\xt*\x*kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. \v 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak \x + \xo 4:12 \xo*\xt I Kor 4:11\xt*\x*grangou, abondans ak soufri bezwen. \v 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki \x + \xo 4:13 \xo*\xt II Kor 12:9\xt*\x*ban m fòs la. \v 14 Sepandan, nou te fè byen pou \x + \xo 4:14 \xo*\xt Eb 10:33\xt*\x*pataje avè m nan soufrans mwen an. \v 15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te \x + \xo 4:15 \xo*\xt II Kor 11:9\xt*\x*pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. \v 16 Paske menm nan \x + \xo 4:16 \xo*\xt Trav 17:1\xt*\x*Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. \v 17 \x + \xo 4:17 \xo*\xt I Kor 9:11\xt*\x*Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. \v 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men \x + \xo 4:18 \xo*\xt Fil 2:25\xt*\x*Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. \v 19 Epi \x + \xo 4:19 \xo*\xt II Kor 9:8\xt*\x*Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a. \v 20 Koulye a, \x + \xo 4:20 \xo*\xt Gal 1:4\xt*\x*a Bondye nou an ak Papa a, \x + \xo 4:20 \xo*\xt Wo 11:36\xt*\x*laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn. \p \v 21 Salye chak fidèl nan Kris Jésus a. \x + \xo 4:21 \xo*\xt Gal 1:2\xt*\x*Frè ki avè m yo salye nou. \v 22 \x + \xo 4:22 \xo*\xt II Kwo 13:13\xt*\x*Tout fidèl yo salye nou, sitou sila ki lakay César yo. \p \v 23 Ke \x + \xo 4:23 \xo*\xt Wo 16:20\xt*\x*lagras Senyè a Jésus Kri kapab avèk nou tout. Amen