\id OBA \ide UTF-8 \h Abdias \toc1 ABDIAS \toc2 Abdias \toc3 Ab \mt1 ABDIAS \c 1 \p \v 1 Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon \x + \xo 1:1 \xo*\xt És 18:2\xt*\x*mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: \x + \xo 1:1 \xo*\xt Jr 6:4,5 \xt*\x*“Leve, annou ale goumen kont li”— \v 2 Gade byen, Mwen va fè ou \x + \xo 1:2 \xo*\xt Nonb 24:18 \xt*\x* vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil. \v 3 \x + \xo 1:3 \xo*\xt És 16:6 \xt*\x*Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?” \v 4 “Menmsi nou \x + \xo 1:4 \xo*\xt Job 20:6,7\xt*\x*bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami \x + \xo 1:4 \xo*\xt És 14:12-15 \xt*\x*zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a. \v 5 Si \x + \xo 1:5 \xo*\xt Jr 49:9\xt*\x*vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou \x + \xo 1:5 \xo*\xt Det 24:21 \xt*\x*èske yo pa t ap kite kèk ti rès? \v 6 Ala depouye Ésaü va vin \x + \xo 1:6 \xo*\xt Jr 49:10 \xt*\x*depouye! Ala fouye yo va fouye trezò kache li yo! \v 7 Tout \x + \xo 1:7 \xo*\xt Jr 30:14\xt*\x*sila ki fè alyans avèk nou yo va voye nou kote fwontyè a. Sila ki anpè ak nou yo te twonpe nou, e yo deja genyen nou. Zanmi ki manje \x + \xo 1:7 \xo*\xt Sòm 41:9 \xt*\x*pen nou yo ap fè pèlen pou nou. Nanpwen bon konprann nan li. \p \v 8 Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; \x + \xo 1:8 \xo*\xt Job 5:12-14 \xt*\x*“Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a? \v 9 Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O \x + \xo 1:9 \xo*\xt Jen 36:11 \xt*\x*Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak. \v 10 Akoz \x + \xo 1:10 \xo*\xt Jen 27:41; Éz 35:9 \xt*\x*vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan. \v 11 Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo.\x + \xo 1:11 \xo*\xt Sòm 83:5,6; Éz 35:10 \xt*\x* \v 12 Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.\x + \xo 1:12 \xo*\xt És 13:10; Mi 4:11\xt*\x* \v 13 Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan \x + \xo 1:13 \xo*\xt Éz 35:5\xt*\x*jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa \x + \xo 1:13 \xo*\xt Éz 36:2,3 \xt*\x*piyaje byen yo nan jou malè yo. \v 14 Pa \x + \xo 1:14 \xo*\xt És 16:3,4 \xt*\x*kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo. \v 15 Paske \x + \xo 1:15 \xo*\xt Éz 30:3 \xt*\x*jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou. \v 16 Paske menm jan ou te \x + \xo 1:16 \xo*\xt Jr 49:12 \xt*\x*bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la. \v 17 Men sou mòn \x + \xo 1:17 \xo*\xt És 4:2,3; És 14:1,2 \xt*\x*Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo. \v 18 Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou \x + \xo 1:18 \xo*\xt Jr 11:23 \xt*\x*pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale. \p \v 19 Moun Negev la va vin \x + \xo 1:19 \xo*\xt És 11:14 \xt*\x*posede mòn a Ésaü ak sila a Schfela yo, gwo plèn Philistie a. Yo va posede teritwa Éphraïm, teritwa Samarie, e Benjamin va vin posede Galaad, tou. \v 20 Epi egzile a lame fis Israël sa a, ki pami Kananeyen yo, va posede jis rive \x + \xo 1:20 \xo*\xt I Wa 17:9\xt*\x*Sarepta, e egzile Jérusalem ki Sepharad yo va vin posede \x + \xo 1:20 \xo*\xt Jr 32:44 \xt*\x*vil Negev yo. \v 21 \x + \xo 1:21 \xo*\xt Né 9:27 \xt*\x*Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou a SENYÈ a.