\id NUM \ide UTF-8 \h Non \toc1 NONB YO \toc2 Nonb \toc3 Nonb \mt1 NOMB YO \c 1 \p \v 1 SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di: \v 2 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Egz 12:37 \xt*\x*“Fè yon chif kontwòl tout asanble fis Israël yo selon fanmi zansèt pa yo, selon papa lakay yo, selon kantite, non a chak gason, tèt pa tèt, \v 3 soti nan \x + \xo 1:3 \xo*\xt Egz 30:14 \xt*\x*ventan oplis, nenpòt moun ki kapab fè lagè an Israël. Ou menm avèk Aaron va konte yo pa lame yo. \v 4 Anplis de nou menm, va genyen yon moun ki sòti nan chak tribi, \x + \xo 1:4 \xo*\xt Egz 18:21-25 \xt*\x*yo chak ki se tèt a fanmi zansèt pa li. \p \v 5 “Alò, sa yo se nonm mesye ki va kanpe avèk ou yo: \x + \xo 1:5 \xo*\xt Det 33:6 \xt*\x*pou Ruben: Élitsur, fis a Schedéur; \v 6 pou Siméon: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï; \v 7 pou Juda: \x + \xo 1:7 \xo*\xt Rt 4:20 \xt*\x*Nachschon, fis a Amminadab; \v 8 pou Issacar: Nethaneel, fis a Tsuar; \v 9 pou Zabulon: Éliab, fis a Hélon; \v 10 pou fis a Joseph yo, pou Éphraïm: Élischama, fis a Ammihud; pou Manassé: Gamaliel, fis a Pedahtsur; \v 11 pou Benjamin: Abidan, fis a Guideoni; \v 12 pou Dan: Ahiézer, fis a Mamischaddaï; \v 13 pou Aser: Paguiel, fis a Ocran; \v 14 pou Gad: Éliasapah, fis a \x + \xo 1:14 \xo*\xt Nonb 2:14 \xt*\x*Déuel; \v 15 pou Nephthali: Ahira, fis a Énan.” \p \v 16 Se sila yo ki te \x + \xo 1:16 \xo*\xt Egz 18:21 \xt*\x*rele pa asanble a, dirijan a tribi fanmi zansèt pa yo; yo te chèf a dè milye an Israël. \v 17 Konsa, Moïse avèk Aaron te pran mesye sa yo ki te chwazi pa non yo. \v 18 Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon \x + \xo 1:18 \xo*\xt Esd 2:59 \xt*\x*fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt. \v 19 Jan \x + \xo 1:19 \xo*\xt II Sam 24:1 \xt*\x*SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa li te konte yo nan dezè ki rele Sinaï a. \p \v 20 \x + \xo 1:20 \xo*\xt Nonb 26:5-7 \xt*\x*Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 21 Kantite mesye ki te konte nan tribi Ruben an te karann-si-mil-senk san (46,500). \p \v 22 \x + \xo 1:22 \xo*\xt Nonb 26:12-14 \xt*\x*Pou fis Siméon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 23 Kantite mesye ki te konte nan tribi Siméon an te senkant-nèf-mil, twa-san (59,300). \p \v 24 \x + \xo 1:24 \xo*\xt Jos 4:12 \xt*\x*Pou fis Gad yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 25 Kantite mesye ki te konte nan tribi Gad la te karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650). \p \v 26 \x + \xo 1:26 \xo*\xt Sòm 78:68\xt*\x*Pou fis Juda yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 27 Kantite mesye ki te konte nan tribi Juda a te swasann-katòz-mil-sis-san (74,600). \p \v 28 \x + \xo 1:28 \xo*\xt Nonb 26:23-35\xt*\x*Pou fis Issacar yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 29 Kantite mesye ki te konte nan tribi Issacar a te senkant-kat-mil-kat-san (54,400). \p \v 30 \x + \xo 1:30 \xo*\xt Nonb 26:26-27\xt*\x*Pou fis Zabulon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 31 Kantite mesye ki te konte nan tribi Zabulon an te senkant-sèt-mil-kat-san (57,400). \p \v 32 \x + \xo 1:32 \xo*\xt Jr 7:15\xt*\x*Pou fis Joseph sa vle di Éphraïm, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 33 Kantite mesye ki te konte nan tribi Éphraïm nan te karann-sèt-mil-senk-san (47,500). \p \v 34 \x + \xo 1:34 \xo*\xt Nonb 26:28-34\xt*\x*Pou fis Manassé yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 35 Fòs kantite mesye ki te konte nan tribi Manassé a te trann-de-mil-de-san (32,200). \p \v 36 \x + \xo 1:36 \xo*\xt II Kwo 17:17\xt*\x*Pou fis Benjamin yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 37 Kantite mesye ki te konte nan tribi Benjamin an te trann-senk-mil-kat-san (35,400). \p \v 38 \x + \xo 1:38 \xo*\xt Jen 30:6\xt*\x*Pou fis Dan yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 39 Kantite mesye ki te konte nan tribi Dan nan te swasann-de-mil-sèt-san (62,700). \p \v 40 \x + \xo 1:40 \xo*\xt Nonb 26:44-47 \xt*\x*Pou fis Aser yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 41 Kantite mesye ki te konte nan tribi Aser a te karanteyen-mil-senk-san (41,500). \p \v 42 \x + \xo 1:42 \xo*\xt Nonb 26:48-50 \xt*\x*Pou fis Nephthali yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. \v 43 Kantite mesye ki te konte nan tribi Nephtali a te senkant-twa-mil-kat-san (53,400). \p \v 44 Sa yo se sila ki te konte yo, ke Moïse avèk Aaron te konte yo, selon chèf Israël yo, douz gason, chak ki te sòti lakay zansèt papa pa yo. \v 45 Konsa se tout gason nan fis Israël yo ki te konte selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè an Israël. \v 46 Jiskaske tout mesye ki te konte yo te \x + \xo 1:46 \xo*\xt Nonb 2:32 \xt*\x*sis-san-twa-mil-senk-san-senkant. (603,550). \p \v 47 \x + \xo 1:47 \xo*\xt Nonb 2:33\xt*\x*Men Levit yo pa t konte pami yo selon tribi zansèt papa pa yo. \v 48 Paske SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 49 “Sèlman tribi Levi a, \x + \xo 1:49 \xo*\xt Nonb 26:62 \xt*\x* nou p ap konte, ni nou p ap fè kontwòl anrejistreman pa yo pami fis Israël yo. \v 50 Men nou va \x + \xo 1:50 \xo*\xt Egz 38:21 \xt*\x*chwazi Levit yo sou tabènak temwayaj la, sou tout zafè li yo ak tout sa ki apatyen a li menm. Yo va pote tabènak la avèk tout zafè li, e yo va okipe li; yo va osi fè kan antoure tabènak la. \v 51 \x + \xo 1:51 \xo*\xt Nonb 4:1-33 \xt*\x*Konsa lè tabènak la ap pati, Levit yo va desann li; epi lè tabènak la vin kanpe, Levit yo va monte li. Men sila ki pa Levit ki vin toupre va vin mete a lanmò. \p \v 52 \x + \xo 1:52 \xo*\xt Nonb 2:2-34 \xt*\x* “Fis Israël yo va fè kan, chak mesye bò kote kan pa li, e chak mesye bò drapo pa li, selon lame yo. \v 53 Men Levit yo va fè kan antoure tabènak temwayaj la, pou kòlè pa vin sou asanble fis Israël yo.\x + \xo 1:53 \xo*\xt Nonb 8:24 \xt*\x* Konsa Levit yo va kenbe chaj sou Tabènak Temwayaj la.” \p \v 54 Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè. \c 2 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 2 \x + \xo 2:2 \xo*\xt Nonb 1:52 \xt*\x* Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans. \p \v 3 Alò, sila ki fè kan nan kote lès la vè solèy leve yo va sila nan drapo kan an Juda yo, selon lame pa yo. Chèf dirijan a fis Juda yo va\x + \xo 2:3 \xo*\xt I Kwo 2:10 \xt*\x*Nachschon, fis a Amminadab la, \v 4 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo, swasann-katòz-mil-sis-san (74,600). \p \v 5 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Issacar. Chèf dirijan an va Nethaneel, fis a Tsuar a, \v 6 avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-kat-mil-kat-san (54,400). \p \v 7 Sila a va swiv pa Zabulon, avèk chèf dirijan fis Zabulon yo:\x + \xo 2:7 \xo*\xt Nonb 1:9 \xt*\x* Eliab, fis a Hélon an, \v 8 avèk lame pa li, men mesye ki te konte yo, senkant-sèt-mil-kat-san (57,400). \p \v 9 Total a mesye ki te konte nan kan Juda a te: san-katreven-si-mil-kat-san (186,400) selon lame pa yo. \x + \xo 2:9 \xo*\xt Nonb 10:14 \xt*\x*Yo va sòti avan. \p \v 10 Nan kote sid la va gen drapo a kan Ruben an selon lame pa yo. Chèf a fis Ruben yo te: \x + \xo 2:10 \xo*\xt Nonb 1:5 \xt*\x*Élitsur fis a Schedéur a, \v 11 avèk lame pa li. Men mesye ki konte yo, karant-si-mil-senk-san (46,500). \p \v 12 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Siméon. Chèf a fis Siméon yo te: \x + \xo 2:12 \xo*\xt Nonb 1:6 \xt*\x* Schelumiel, fis a Tsurischaddaï la, \v 13 avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-nèf-mil-twa-san (59,300). \p \v 14 Swiv pa tribi Gad la, avèk chèf a fis Gad yo: \x + \xo 2:14 \xo*\xt Nonb 1:14 \xt*\x*Éliasapah, fis a Déuel la, \v 15 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650). \p \v 16 Total a mesye konte nan kan Ruben an te: san-senkanteyen-mil-kat-san-senkant (151,450). \x + \xo 2:16 \xo*\xt Nonb 10:18\xt*\x*Se yo k ap sòti nan dezyèm nan. \p \v 17 \x + \xo 2:17 \xo*\xt Nonb 1:53\xt*\x*Konsa, tant asanble a va sòti avèk kan levit yo nan mitan kan yo. Menm jan ke yo fè kan an, konsa yo va sòti, chak moun nan plas li bò kote drapo pa li. \v 18 Nan kote lwès la, va gen drapo kan Ephraïm lan selon lame pa yo e chèf a fis Ephraïm yo va \x + \xo 2:18 \xo*\xt Nonb 1:10\xt*\x*Élischama fis a Ammihud la. \v 19 Nan lame pa li, men sa ki konte yo; karann-mil-senk-san (40,500). \p \v 20 Akote li va gen tribi Manassé a, e chèf a fis Manassé yo te: \x + \xo 2:20 \xo*\xt Nonb 1:10 \xt*\x*Gamaliel, fis a Pedahstsur a, \v 21 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo, trant-de-mil-de-san (32,200). \p \v 22 Apre se tribi a Benjamin an, e chèf a tribi Benjamin an te: \x + \xo 2:22 \xo*\xt Nonb 1:11\xt*\x*Abidan, fis a Gideoni a, \v 23 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; trann-senk-mil-kat-san (35,400). \p \v 24 Total a mesye konte nan kan Ephraïm yo te: san-ui-mil-san (108,100) pa lame pa yo. \x + \xo 2:24 \xo*\xt Nonb 10:22\xt*\x*Yo va sòti nan twazyèm nan. \p \v 25 Nan kote nò va gen drapo pou kan Dan an, selon lame pa yo, e chèf a fis Dan yo te: \x + \xo 2:25 \xo*\xt Nonb 1:12 \xt*\x* Ahiézer, fis a Ammischaddaï a, \v 26 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; swasann-de-mil-sèt-san (62,700). \p \v 27 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Aser, e chèf a fis a Aser yo te: \x + \xo 2:27 \xo*\xt Nonb 1:13\xt*\x*Paguiel, fis a Ocran an, \v 28 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; karanteyen-mil-senk-san (41,500). \p \v 29 Apre se te tribi a Nephtali a, e chèf a fis a Nephtali yo te: \x + \xo 2:29 \xo*\xt Nonb 1:15\xt*\x*Ahira, fis a Énan an, \v 30 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; senkant-twa-mil-kat-san (53,400). \p \v 31 Total a mesye nan kan Dan yo te san-senkant-sèt-mil-sis-san. (157,600) \x + \xo 2:31 \xo*\xt Nonb 10:25 \xt*\x*Yo va sòti dènye avèk drapo pa yo. \p \v 32 Sa yo se mesye ki te konte a fis Israël yo selon lakay papa zansèt pa yo; total a mesye a tout kan yo ki te konte pa lame yo te \x + \xo 2:32 \xo*\xt Egz 38:26 \xt*\x*sis-san-twa-mil-senk-san-senkant (603,550) \v 33 Malgre sa, \x + \xo 2:33 \xo*\xt Nonb 1:47\xt*\x* Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 34 Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo. \c 3 \p \v 1 Alò sa yo se chif desandan a Aaron\x + \xo 3:1 \xo*\xt Egz 6:20-27\xt*\x* avèk Moïse nan tan lè SENYÈ a te pale avèk Moïse sou Mòn Sinaï a. \p \v 2 Sa yo se non a fis Aaron yo: Nadab, premye ne a, Abith, Éléazar ak Ithamar. \v 3 Sa yo se non a fis Aaron yo, prèt \x + \xo 3:3 \xo*\xt Egz 28:41 \xt*\x*onksyone ke li te konsakre pou sèvi kòm prèt yo. \v 4 \x + \xo 3:4 \xo*\xt Lev 10:1-2\xt*\x*Men Nadab avèk Abihu te mouri devan SENYÈ a lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a nan dezè Sinaï a. Yo pa t gen pitit. Konsa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kòm prèt pandan papa yo, Aaron, t ap viv. \p \v 5 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 6 \x + \xo 3:6 \xo*\xt Nonb 8:6-22\xt*\x* “Mennen tribi Levi a vin pre ou, e fè yo chita devan Aaron, prèt la, pou yo kapab sèvi li. \v 7 Yo va ranpli devwa pou li ak pou tout kongregasyon an devan tant asanble a, pou fè \x + \xo 3:7 \xo*\xt Nonb 1:50\xt*\x* sèvis tabènak la. \v 8 Yo va osi kenbe tout zafè ki founi tant asanble a, ansanm avèk devwa a fis Israël yo, pou fè sèvis tabènak la. \v 9 Konsa ou va \x + \xo 3:9 \xo*\xt Nonb 18:6 \xt*\x* bay Levit yo a Aaron avèk fis li yo; yo va bay nèt a li pami fis Israël yo. \v 10 Konsa, ou va chwazi Aaron avèk fis li yo pou \x + \xo 3:10 \xo*\xt Egz 29:9 \xt*\x*yo kapab ranpli fonksyon prèt yo, men \x + \xo 3:10 \xo*\xt Nonb 1:51\xt*\x*nenpòt lòt moun ki pwoche va vin mete a lanmò.” \p \v 11 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 12 “Alò, veye byen, Mwen \x + \xo 3:12 \xo*\xt Nonb 3:45\xt*\x*te pran Levit yo pami fis Israël yo olye de chak \x + \xo 3:12 \xo*\xt Egz 13:2\xt*\x*premye ne, premye bebe a chak vant pami fis Israël yo. Konsa, Levit yo se pa M. \v 13 Paske, \x + \xo 3:13 \xo*\xt Egz 13:2 \xt*\x* tout premye ne se pa M yo ye. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye pou Mwen menm tout premye ne an Israël yo soti nan lòm pou rive nan bèt yo. Yo va pou Mwen; Mwen se SENYÈ a.” \p \v 14 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse \x + \xo 3:14 \xo*\xt Egz 19:1\xt*\x*nan dezè Sinaï a. Li te di: \v 15 \x + \xo 3:15 \xo*\xt Nonb 1:47\xt*\x*“Konte fis a Levi yo selon lakay papa pa yo, pa fanmi yo; tout gason soti nan laj a yon mwa oswa plis, ou va konte yo.” \v 16 Alò, Moïse te konte yo selon pawòl a SENYÈ a, jis jan ke li te kòmande a. \p \v 17 Konsa, \x + \xo 3:17 \xo*\xt Egz 6:16-22\xt*\x*se sa yo ki te fis a Levi yo pa non yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. \p \v 18 Sa se non a \x + \xo 3:18 \xo*\xt Egz 6:17 \xt*\x*fis a Guerschon yo selon fanmi pa yo: Libni ak Schimeï; \v 19 Fis a Kehath yo selon fanmi pa yo: Amram, Jitsehar, Hébron ak Uziel; \v 20 Fis a Merari yo selon fanmi pa yo: Machli ak Muschi. Sa yo se fanmi Levit yo selon lakay papa pa yo. \p \v 21 Nan Guerschon te sòti fanmi a Libni yo ak fanmi a Schimeï yo. Sa yo se te fanmi a Gèchonit yo. \v 22 Nan mesye konte yo tout gason soti nan yon mwa oswa plis te vin konte nan sèt-mil-senk-san (7,500). \v 23 Fanmi a Gèchonit yo te toujou gen pou fè kan dèyè tabènak la nan kote lwès la. \v 24 Chèf a lakay papa yo pami Gèchonit yo te Élaisaph, fis a Laël la. \v 25 Alò, \x + \xo 3:25 \xo*\xt Nonb 4:24-26\xt*\x*devwa a fis Guerschon yo nan tant asanble a se te tabènak la avèk tant lan, kouvèti li, rido pòtay tant asanble a, \v 26 \x + \xo 3:26 \xo*\xt Egz 27:9-15\xt*\x*bagay pandye sou galeri a, ki antoure tabènak la ak lotèl la, e kòd li yo avèk tout sèvis konsènan li yo. \p \v 27 Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo. \v 28 Nan konte tout gason nan laj yon mwa oswa plis, te gen ui-mil-sis-san (8,600) ki t ap fè devwa sanktyè a. \v 29 Fanmi a Kehath yo te gen pou fè kan nan kote sid a tabènak la, \v 30 epi chèf a tout kay papa yo pou Kehath yo se te Élitsaphan, fis a Uziel la. \v 31 Alò, devwa pa yo se te \x + \xo 3:31 \xo*\xt Egz 25:10-22 \xt*\x*lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo. \v 32 Éléazar, fis a Aaron an se te chèf an tèt a chèf Levit yo, e li te responsab pou tout sila ki te fè devwa sanktyè a. \p \v 33 Nan Merari, te sòti fanmi a Machli yo ak fanmi Muschi yo. Se sa yo ki te fanmi a Merari yo. \v 34 Mesye pa yo ki te konte pa tout gason ak laj yon mwa oswa plis yo, te si-mil-de-san (6,200). \v 35 Chèf a lakay papa Merari yo se te Tsuriel, fis a Abihaïl la. Yo te gen pou fè \x + \xo 3:35 \xo*\xt Nonb 1:53 \xt*\x*kan sou kote nò a tabènak la. \v 36 Alò, devwa a fis Merari yo se te pou okipe ankadreman tabènak la, poto li yo, baz reseptikal li yo, tout bagay sa yo avèk sèvis ki konsène yo, \v 37 ak pilye ki antoure galeri a, avèk baz reseptikal pa yo avèk pikèt ak kòd yo. \p \v 38 Alò, sila ki te gen pou fè \x + \xo 3:38 \xo*\xt Nonb 1:53 \xt*\x*kan devan tabènak la vè lès la devan tant asanble a, vè solèy leve a, se te Moïse avèk Aaron avèk fis li yo, ki pou fè devwa sanktyè yo, pou ranpli obligasyon a fis Israël yo. Men nenpòt moun ki pa prèt va vin mete a lanmò si li vin toupre. \p \v 39 Tout mesye ki te konte pami Levit yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmand a SENYÈ a, pa fanmi pa yo, tout gason ki te gen yon mwa oswa plis, te \x + \xo 3:39 \xo*\xt Nonb 3:43 \xt*\x*venn-de-mil (22,000). \p \v 40 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: \x + \xo 3:40 \xo*\xt Nonb 3:15 \xt*\x*“Konte tout gason, premye ne pami fis Israël yo soti nan laj yon mwa oswa plis, e fè yon chif ak non yo. \v 41 Ou \x + \xo 3:41 \xo*\xt Nonb 3:12-45 \xt*\x*va pran Levit yo pou Mwen—Mwen se SENYÈ a—olye de premye ne pami fis Israël yo; ak bèt a Levit yo olye de tout premye ne nan bèt a fis Israël yo.” \p \v 42 Konsa, Moïse te konte tout premye ne pami fis Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande li a. \v 43 Tout premye ne nan gason yo soti nan laj a yon mwa oswa plis, mesye ki te konte pou yo te venn-de-mil-de-san-swasann-trèz\x + \xo 3:43 \xo*\xt Nonb 3:39 \xt*\x*22,273 \v 44 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 45 \x + \xo 3:45 \xo*\xt Nonb 3:12 \xt*\x*“Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a. \v 46 \x + \xo 3:46 \xo*\xt Egz 13:13-15 \xt*\x* Pou ranson a de-san-swasann-trèz (273) nan premye ne an Israël ki plis ke Levit yo, \v 47 ou va pran \x + \xo 3:47 \xo*\xt Lev 27:6 \xt*\x* senk sik pou chak, pa tèt. Ou va pran yo an valè sik sanktyè a (sik la se ven gera), \v 48 epi bay Aaron avèk fis li lajan la, ki te peye pou ranson pa Levit yo.” \p \v 49 Moïse te pran lajan ranson an ki sòti nan sila ki te anplis sila ki te ransonen pa Levit yo; \v 50 nan men a premye ne a fis Israël yo, li te pran lajan an an valè sik sanktyè a, mil-twa-san-swasann-senk (1,365) sik. \v 51 Epi Moïse te bay lajan ranson an bay Aaron avèk fis li yo, selon kòmand a SENYÈ a, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. \c 4 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di: \v 2 Fè yon chif kontwòl a desandan Kehath yo pami fis Levit yo, selon fanmi pa yo, e selon lakay papa pa yo, \v 3 soti nan \x + \xo 4:3 \xo*\xt I Kwo 23:3-27 \xt*\x*trantan oswa plis, menm jiska senkantan; tout moun ki antre nan sèvis pou fè travay a Tant Asanble a. \p \v 4 Sa se travay a desandan a Kehath yo nan Tant Asanble a, selon bagay ki sen pase tout bagay yo. \v 5 Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri \x + \xo 4:5 \xo*\xt Egz 25:10-16 \xt*\x*lach temwayaj la avèk li. \v 6 Yo va \x + \xo 4:6 \xo*\xt Nonb 4:25 \xt*\x*kouvri li avèk po dofen, ouvri sou li yon twal, koulè ble pi, e pase fè poto antre nan wondèl yo. \p \v 7 Sou tab a pen Prezans lan, yo va osi ouvri yon twal ble. Yo va mete sou li asyèt avèk bonm yo ak veso pou fè sakrifis yo, bokal pou ofrann bwason an, ak \x + \xo 4:7 \xo*\xt Egz 25:30 \xt*\x*pen k ap la tout tan an, va sou li. \v 8 Yo va kouvri yo avèk yon twal wouj, yo va kouvri li avèk yon po dofen, e yo va fè poto yo antre pase nan wondèl yo. \p \v 9 Yo va pran yon twal ble, e yo va kouvri \x + \xo 4:9 \xo*\xt Egz 25:31\xt*\x*chandelye a pou limyè a, ansanm avèk lanp pa li yo, touf yo, asyèt li yo, ak veso lwil li yo, avèk sa yo konn okipe li yo. \v 10 Yo va mete tout zouti li yo nan yon kouvèti po dofen, e yo va mete li nan poto ki fèt pou pote a. \p \v 11 Sou lotèl an lò a, yo va mete yon twal ble. Yo va kouvri li avèk yon kouvèti po dofen, e yo va fè pase antre poto li yo nan wondèl yo. \v 12 Yo va pran tout zouti a sèvis yo avèk sila yo fè sèvis nan sanktyè a. Yo va mete yo nan yon twal ble, kouvri yo avèk yon kouvèti po dofen, e mete yo sou ankadreman an. \p \v 13 Yo va retire sann dife ki sou \x + \xo 4:13 \xo*\xt Egz 27:1-8 \xt*\x*lotèl la, e yo va kouvri lotèl la avèk yon twal mov. \v 14 Yo va anplis mete sou li tout zouti li yo avèk sila yo sèvi e ki gen korespondans avèk li; veso dife yo, fouch avèk pèl yo, ak basen yo, tout zouti lotèl la. Epi yo va fè l kouvri avèk yon po dofen, e fè poto li yo pase antre. \p \v 15 Lè Aaron avèk fis li yo fin kouvri bagay sen yo avèk tout sa ki founi sanktyè yo, lè kan an prèt pou sòti, apre sa, fis Kehath yo va vini pou pote yo; men fòk yo pa touche bagay sen yo \x + \xo 4:15 \xo*\xt Nonb 1:51 \xt*\x*pou yo pa mouri. Sa yo se bagay nan Tant Asanble a ke fis Kehath yo va pote. \p \v 16 Devwa a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, se \x + \xo 4:16 \xo*\xt Lev 24:1-3 \xt*\x* lwil pou limyè a, \x + \xo 4:16 \xo*\xt Egz 30:34-38\xt*\x*lansan santi bon an, ofrann sereyal ki pa janm sispann nan ak lwil onksyon an—lesansyèl tabènak la avèk tout sa ki ladann yo, sanktyè a avèk sa ki founi li yo. \p \v 17 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di: \v 18 Pa kite tribi a Kehath yo vin koupe retire pami Levit yo. \v 19 Men fè sa ak yo pou yo kapab viv, e pou yo \x + \xo 4:19 \xo*\xt Nonb 4:15 \xt*\x*pa mouri lè yo vin pwoche bagay ki sen pase tout bagay yo: Aaron avèk fis li yo va antre bay yo chak travay pa yo, avèk chaj yo; \v 20 men \x + \xo 4:20 \xo*\xt Egz 19:21 \xt*\x*yo pa pou antre pou wè sa ki sen an, menm pou yon moman, oswa yo va mouri. \p \v 21 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 22 “Pran yon chif kontwòl nan fis Guerschon yo selon lakay papa pa yo, ak papa fanmi pa yo; \v 23 soti nan \x + \xo 4:23 \xo*\xt Nonb 4:3 \xt*\x*trantan oswa plis jiska senkantan, ou va konte yo; tout moun ki antre pou fè sèvis, pou fè travay nan Tant Asanble a. \p \v 24 “Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo, pou sèvi e pou pote: \v 25 Yo va pote \x + \xo 4:25 \xo*\xt Egz 40:19 \xt*\x* rido a tabènak la, Tant Asanble a avèk kouvèti li, kouvèti po dofen ki sou li a, ak rido pòtay a Tant Asanble a, \v 26 bagay pandye ki sou galeri a, rido a ki pou pòtay galeri a ki antoure tabènak la avèk lotèl la, kòd pa yo avèk tout bagay ki pou sèvis la; epi tout sa ki gen pou fèt, se yo ki pou fè l. Yo va sèvi andedan. \v 27 Tout sèvis a fis Gèchonit yo, nan tout chaj ak tout travay yo, yo va fèt selon kòmand Aaron avèk fis li yo. Ou va dirije yo selon devwa yo nan tout chaj yo. \v 28 Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo nan Tant Asanble a, e devwa yo va anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la. \p \v 29 “Selon fis Merari yo, ou va konte yo pa fanmi yo, pa lakay papa pa yo; \v 30 soti nan \x + \xo 4:30 \xo*\xt Nonb 4:3 \xt*\x*trantan oswa plis jis rive nan laj senkantan, ou va konte yo, yo chak ki antre pou fè sèvis Tant Asanble a. \v 31 Alò, se sa ki devwa pou chaj pa yo, pou tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a: planch a tabènak la avèk travès li yo, pilye li yo avèk baz reseptikal yo, \v 32 pilye ki antoure galeri a ak baz reseptikal pa yo, pikèt ak kòd yo, avèk tout bagay pou sèvi ladann yo. Ou va chwazi chak moun pa non li, pou bagay ke li gen pou pote yo. \v 33 Sa se sèvis fanmi a fis Merari yo selon tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.” \p \v 34 Alò, Moïse ak Aaron avèk chèf asanble yo te konte fis Koatit yo selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo, \v 35 soti nan \x + \xo 4:35 \xo*\xt I Kwo 23:24 \xt*\x* trantan anplis menm pou rive nan senkantan, tout sila ki te antre sèvis pou travay nan Tant Asanble a. \v 36 Mesye pa yo ki te konte pa fanmi pa yo se te de-mil-sèt-san-senkant (2,750). \v 37 Sila yo se mesye yo ki te konte pami fis Koatit yo, tout sila ki t ap sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse. \p \v 38 Mesye konte pa fis Gèchonit yo pa fanmi pa yo e pa lakay fanmi pa yo, \v 39 soti nan trantan oswa plis menm jiska laj senkantan, tout sila ki te antre nan travay nan Tant Asanble a. \v 40 Mesye ki te konte pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo se te de-mil-sis-san-trant (2,630). \v 41 Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Guerschon yo, tout sila ki te sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman a SENYÈ a. \p \v 42 Mesye konte nan fanmi a fis Merari yo pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo, \v 43 soti nan \x + \xo 4:43 \xo*\xt Nonb 8:24-26 \xt*\x* trantan oswa plis, jis rive nan laj senkantan, tout moun ki te antre nan sèvis pou fè travay nan Tant Asanble a. \v 44 Mesye ki te konte pa fanmi pa yo se te twa-mil-de-san (3,200). \v 45 Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Merari yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse. \p \v 46 Tout mesye konte a Levit yo, ke Moïse avèk Aaron ak chèf Israël yo te konte selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo, \v 47 soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, tout moun ki te konn antre pou fè travay sèvis ak travay pote nan Tant Asanble a. \v 48 Mesye konte yo te \x + \xo 4:48 \xo*\xt Nonb 3:39 \xt*\x*ui-mil-senk-san-katreven (8,580). \p \v 49 Selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse, yo \x + \xo 4:49 \xo*\xt Nonb 1:47 \xt*\x* te konte, yo chak selon sèvis oswa pote yo te fè. Konsa sila yo se te mesye ki te konte yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \c 5 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè \x + \xo 5:2 \xo*\xt Lev 13:8-46 \xt*\x* kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri. \v 3 “Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete \x + \xo 5:3 \xo*\xt Lev 26:12 \xt*\x*nan mitan yo a.” \v 4 Fis Israël yo te fè sa, e yo te voye yo deyò kan an; jis jan ke SENYÈ a te pale avèk Moïse la, se konsa ke fis Israël yo te fè. \p \v 5 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 6 “Pale avèk fis Israël yo: \x + \xo 5:6 \xo*\xt Lev 5:14-17 \xt*\x* ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab, \v 7 alò, li va konfese peche ke li te fè yo; \x + \xo 5:7 \xo*\xt Lev 6:4-5 \xt*\x* li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a. \v 8 Men si nonm nan pa gen relasyon pou resevwa pèyman, pèyman ki fèt pou tò a, li va oblije ale bay SENYÈ a pou prèt la, ansanm avèk belye ekspiyatwa ki pou fè ekspiyasyon pou li a. \v 9 \x + \xo 5:9 \xo*\xt Lev 7:32-34 \xt*\x*Tout don ki apatyen a kado sen a fis Israël yo, ke yo ofri a prèt la, va pou li. \v 10 Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va \x + \xo 5:10 \xo*\xt Lev 10:13 \xt*\x*vin pou li.’” \p \v 11 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 12 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Si madanm a yon nonm \x + \xo 5:12 \xo*\xt Nonb 5:19-29 \xt*\x*vin vire, e li vin enfidèl anvè li, \v 13 epi yon lòt gason \x + \xo 5:13 \xo*\xt Lev 18:20 \xt*\x*vin antre nan li, epi si sa kache a zye mari li, sa rete an kachèt, malgre ke li te konwonpi tèt li, men pa gen temwayaj kont li ni li pa t kenbe nan zak la, \v 14 si yon espri \x + \xo 5:14 \xo*\xt Pwov 6:34 \xt*\x*jalouzi vin antre sou nonm nan, e si li jalou pou madanm li, e li te konwonpi tèt li a, oswa si yon espri jalouzi vin sou li e li jalou lè li pa t vrèman konwonpi tèt li, \v 15 mesye a, alò, va mennen madanm li devan prèt la. Konsa, li va mennen kòm ofrann pou li yon dizyèm efa nan lòj moulen an. Li pa pou vide lwil sou li, ni mete lansan sou li, paske li se yon ofrann sereyal de jalouzi, yon ofrann sereyal pou sonje, \x + \xo 5:15 \xo*\xt I Wa 17:18 \xt*\x*pou pa bliye inikite. \p \v 16 “‘Alò, prèt la va mennen li vin toupre li, e fè l kanpe devan SENYÈ a. \v 17 Prèt la va pran dlo sen an nan yon veso fèt an ajil. Li va pran kèk nan poud ki atè nan tabènak la, e li va mete nan dlo a. \v 18 Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an. \v 19 Prèt la va fè fanm sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t \x + \xo 5:19 \xo*\xt Nonb 5:12 \xt*\x*vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon. \v 20 Sepandan, si ou te \x + \xo 5:20 \xo*\xt Nonb 5:12 \xt*\x*vin vire, akoz ou anba otorite mari ou, si ou te konwonpi tèt ou, e yon lòt gason ki pa mari ou te kouche avèk ou,” \v 21 (alò, prèt la va fè fanm nan \x + \xo 5:21 \xo*\xt Jos 6:26\xt*\x* fè sèman madichon an, e prèt la va di a fanm nan): “Ke SENYÈ a fè ou modi, yon madichon pami pèp ou a lè SENYÈ a fè kwis ou vin pouri pou disparèt, e vant ou vin anfle; \v 22 epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Konsa, fanm nan \x + \xo 5:22 \xo*\xt Det 27:15\xt*\x*va di: “Amen, Amen.” \v 23 Epi prèt la va ekri madichon sa yo sou yon woulo papye, e li va lave fè yo sòti nan dlo anmè a. \v 24 Epi li va fè fanm nan bwè dlo anmè ki pote madichon an, pou dlo ki pote madichon an kab antre nan li e li va fè l vin anmè. \v 25 Prèt la va pran ofrann sereyal pou jalouzi a nan men fanm nan, e li va balanse li devan SENYÈ a pou mennen li vè lotèl la. \v 26 Konsa, \x + \xo 5:26 \xo*\xt Lev 2:2-9\xt*\x* prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a. \v 27 Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon \x + \xo 5:27 \xo*\xt Jr 29:19 \xt*\x* madichon pami pèp li a. \v 28 Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit. \p \v 29 “‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li, \v 30 oswa lè yon espri jalouzi vin sou yon mesye, e li vin jalou pou madanm li. Li va, alò, fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, e prèt la va aplike tout lwa sa a anvè li. \v 31 Anplis, mesye a va lib, san koupabilite, men fanm nan va \x + \xo 5:31 \xo*\xt Lev 20:17 \xt*\x* pote koupabilite pa li a.’” \c 6 \p \v 1 Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon \x + \xo 6:2 \xo*\xt Jij 13:5 \xt*\x* Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a, \v 3 li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch. \v 4 Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li. \p \v 5 “‘Tout jou yo, pandan ve apa li a, \x + \xo 6:5 \xo*\xt I Sam 1:11\xt*\x* okenn razwa p ap pase sou tèt li. Li va sen jiskaske jou li yo vin akonpli pou sa li te separe tèt li bay SENYÈ a. Li va kite cheve tèt li vin long. \p \v 6 \x + \xo 6:6 \xo*\xt Lev 21:1-3\xt*\x* “‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò. \v 7 Li \x + \xo 6:7 \xo*\xt Nonb 9:6 \xt*\x* pa pou fè tèt li pa pwòp ni pou papa li, ni manman li, pou frè li, oswa pou sè li, lè yo ta mouri, akoz separasyon li pou Bondye poze sou tèt li. \v 8 Tout jou a separasyon li yo, li va sen a SENYÈ a. \p \v 9 “‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, \x + \xo 6:9 \xo*\xt Lev 14:8-9 \xt*\x* li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la.Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a. \v 10 Konsa, nan dizyèm jou a, li va pote de \x + \xo 6:10 \xo*\xt Lev 5:7 \xt*\x* toutrèl oswa de jenn pijon vè prèt la, nan pòtay tant asanble a. \v 11 Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche a, e lòt la kòm yon ofrann brile, epi fè ekspiyasyon pou li konsènan peche li, akoz mò a. Epi nan menm jou sa a, li va konsakre tèt li, \v 12 epi li va dedye a SENYÈ a jou li yo kòm yon Nazareyen, e li va mennen yon mal mouton nan laj 1 nan oswa plis kòm yon ofrann koupab. Men jou tan pase yo va vin anile akoz tan separasyon li an te vin konwonpi. \p \v 13 “‘Alò, sa se lalwa a yon Nazareyen. \x + \xo 6:13 \xo*\xt Trav 21:26 \xt*\x* Lè jou separasyon yo vin fini, li va mennen ofrann nan nan pòtay a tant asanble a. \v 14 Li va prezante ofrann li an bay SENYÈ a: yon mal mouton laj 1 nan san defo kòm yon ofrann brile a, yon \x + \xo 6:14 \xo*\xt Lev 14:10 \xt*\x* mouton femèl laj 1 nan san defo kòm yon ofrann peche, ak yon belye san defo kòm yon ofrann lapè, \v 15 epi yon panye \x + \xo 6:15 \xo*\xt Egz 29:2\xt*\x*gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo. \p \v 16 “‘Alò, prèt la va prezante yo devan SENYÈ a. Li va ofri ofrann peche pa li a avèk ofrann brile pa li a. \v 17 Li va osi ofri belye a kòm yon ofrann sakrifis lapè bay SENYÈ a, ansanm avèk yon panye gato san ledven. Prèt la va osi ofri ofrann sereyal li avèk ofrann bwason li. \p \v 18 \x + \xo 6:18 \xo*\xt Nonb 6:9\xt*\x* “‘Alò, apre sa, Nazareyen an va pase razwa sou tèt cheve dedye pa li nan pòtay a tant asanble a. Li va pran cheve dedye a tèt li a, e mete li sou dife ki anba ofrann sakrifis lapè yo. \p \v 19 \x + \xo 6:19 \xo*\xt Lev 7:28-34 \xt*\x*“‘Prèt la va pran zepòl belye a lè li fin bouyi, ak yon gato san ledven sòti nan panye a, yon galèt san ledven, e li va mete yo sou men a Nazareyen an lè l fin pase razwa a sou cheve dedye li a. \v 20 Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. \x + \xo 6:20 \xo*\xt Ekl 9:7 \xt*\x* Apre Nazareyen an kapab bwè diven an. \p \v 21 “‘Sa se lalwa a Nazareyen ki fè ve ofrann li bay SENYÈ a, an akò avèk separasyon li, anplis tout lòt bagay ke li gen posibilite fè, selon ve ke li te fè a. Konsa, li va fè selon lalwa separasyon li an.’” \p \v 22 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 23 Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, \x + \xo 6:23 \xo*\xt I Kwo 23:13 \xt*\x* nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo: \q1 \v 24 SENYÈ a \x + \xo 6:24 \xo*\xt Det 28:3-6 \xt*\x* beni nou e kenbe nou; \q1 \v 25 SENYÈ a \x + \xo 6:25 \xo*\xt Sòm 80:3-19 \xt*\x* fè limyè figi li limen sou nou; \q1 epi fè gras anvè nou; \q1 \v 26 SENYÈ a \x + \xo 6:26 \xo*\xt Sòm 4:6 \xt*\x* fè vizaj li vin gade nou, \q1 e \x + \xo 6:26 \xo*\xt Sòm 29:11\xt*\x*bannou lapè.’ \p \v 27 Se konsa yo va \x + \xo 6:27 \xo*\xt II Sam 7:23 \xt*\x* rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo. \c 7 \p \v 1 Alò nan jou ke Moïse te fin monte tabènak la, li te onksyone li, e li te konsakre li avèk tout zouti li yo, ak lotèl la, avèk tout zouti li yo. Li te onksyone yo e li te konsakre yo. \v 2 \x + \xo 7:2 \xo*\xt Nonb 1:5-16 \xt*\x* Chèf Israël yo, chèf lakay zansèt papa pa yo, te fè yon ofrann. Yo menm te chèf a tribi yo. Se te sila ki te sou mesye kontwolè yo. \v 3 Lè yo te mennen ofrann pa yo devan SENYÈ a, sis kabwèt kouvri, avèk douz bèf kabwèt, yon kabwèt pou chak de chèf, yon bèf pou chak nan yo, epi yo te prezante yo devan tabènak la. \p \v 4 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 5 “Aksepte bagay sa yo pou yo menm, pou yo kapab sèvi nan sèvis Tant Asanble a, e ou va bay yo a Levit yo, a chak mesyè selon sèvis pa yo.” \p \v 6 Konsa, Moïse te pran kabwèt yo avèk bèf yo, e li te bay yo a Levit yo. \v 7 De kabwèt ak kat bèf, li te bay a fis Guerschon yo, selon \x + \xo 7:7 \xo*\xt Nonb 4:24-26 \xt*\x* sèvis pa yo, \v 8 epi kat kabwèt avèk uit bèf, li te bay a fis Merari yo, selon \x + \xo 7:8 \xo*\xt Nonb 4:31-32 \xt*\x* sèvis pa yo, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la. \v 9 Men li pa t bay a fis Kehath yo akoz \x + \xo 7:9 \xo*\xt Nonb 4:5-15 \xt*\x* sèvis pa yo se te sèvis bagay sen ke yo te pote sou zepòl yo. \p \v 10 Chèf yo te ofri ofrann dedikasyon an pou lotèl la lè \x + \xo 7:10 \xo*\xt Nonb 7:1 \xt*\x* li te fin onksyone. Konsa chèf yo te ofri ofrann yo devan lotèl la. \v 11 SENYÈ a te di a Moïse: “Kite yo prezante ofrann pa yo, yon chèf chak jou, pou dedikasyon lotèl la.” \p \v 12 Alò, sila ki te prezante ofrann li nan premye jou a, se te Nachschon, fis a Amminadab nan tribi Juda a. \v 13 Ofrann pa li a se te \p yon \x + \xo 7:13 \xo*\xt Egz 25:29 \xt*\x* plato fèt an ajan avèk yon pèz de san trant sik, \p yon bòl fèt an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de ki plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 14 yon kiyè fèt an lò a dis sik ranpli avèk lansan; \p \v 15 yon towo, \p yon belye, \p yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; \p \v 16 \x + \xo 7:16 \xo*\xt Lev 4:23 \xt*\x* yon mal kabrit kòm ofrann peche; \p \v 17 epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a \x + \xo 7:17 \xo*\xt Luc 3:32-33 \xt*\x* Nachschon, fis a Amminadab la. \p \v 18 Nan dezyèm jou a Nethaneel, fis a Tsuar a, chèf a Issacar a, te prezante yon ofrann. \v 19 Li te prezante kòm ofrann li \p yon kiyè fèt an ajan avèk yon pèz de san-trant sik, \p yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de te plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 20 yon kiyè soup an lò a dis sik ranpli avèk lansan; \p \v 21 Yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; \p \v 22 yon mal kabrit pou yon ofrann peche; \p \v 23 epi pou sakrifis \x + \xo 7:23 \xo*\xt Lev 7:11-13 \xt*\x* ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. \p \v 24 Nan twazyèm jou a, se te Éliab fis a Hélon an, chèf a Zabulon an. \v 25 Ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan avèk yon pèz de trant sik, \p yon bòl an ajan a swasann-dis sik, selon sik a sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 26 yon kiyè soup an lò a dis sik plen avèk lansan; \p \v 27 yon jenn towo, \p yon belye, \p yon \x + \xo 7:27 \xo*\xt És 53:7 \xt*\x* mal mouton nan laj 1 nan, pou yon ofrann brile; \p \v 28 Yon mal belye pou yon ofrann peche, \p \v 29 epi pou sakrifis ofrann lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Éliab la, fis a Hélon an. \p \v 30 Nan katriyèm jou a, se te Élitsur, fis a Schedéur a, chèf a fis Ruben yo; \v 31 ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan avèk pèz de san-trant sik, \p yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 32 yon kiyè nan dis sik plen avèk lansan; \p \v 33 yon towo, \p yon belye, \p yon \x + \xo 7:33 \xo*\xt Eb 9:28 \xt*\x* mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; \p \v 34 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche; \p \v 35 epi pou ofrann sakrifis lapè a, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élitsur a, fis a Schedéur a. \p \v 36 Nan senkyèm jou a, se te Schelumiel, fis a Schedéur a, chèf a fis Siméon yo; \v 37 ofrann pa li a, se te \p yon plato an ajan avèk yon pèz de san-trant sik, \p yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 38 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan; \p \v 39 yon towo, \p yon belye, \p yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; \p \v 40 yon mal kabrit pou yon ofrann peche; \p \v 41 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Schelumiel la, fis a Schedéur a. \p \v 42 Nan sizyèm jou a, se te \x + \xo 7:42 \xo*\xt Nonb 1:14 \xt*\x* Élisaph, fis a Déuel la, chèf a fis Gad yo; \v 43 ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan nan pèz san-trant sik, yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de nan yo plen avèk \x + \xo 7:43 \xo*\xt Lev 2:5 \xt*\x* farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 44 yon kiyè soup an lò nan dis sik ranpli avèk lansan \p \v 45 \x + \xo 7:45 \xo*\xt Sòm 50:8-14 \xt*\x* yon towo, \p yon belye, \p yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile; \p \v 46 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche; \p \v 47 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élisaph la, fis a Déuel la. \p \v 48 Nan setyèm jou a, se te \x + \xo 7:48 \xo*\xt Nonb 1:10 \xt*\x* Élischama fis a Ammihud la, chèf a fis Ephraïm yo; \v 49 ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, \p yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 50 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk \x + \xo 7:50 \xo*\xt Éz 8:11 \xt*\x* lansan; \p \v 51 \x + \xo 7:51 \xo*\xt Mi 6:6-8 \xt*\x* yon towo, \p yon belye, \p yon mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile; \p \v 52 yon mal kabrit pou yon ofrann peche; \p \v 53 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Élischama a, fis a Ammihud la. \p \v 54 Nan uityèm jou a, se te \x + \xo 7:54 \xo*\xt Nonb 2:20 \xt*\x* Gamaliel, fis a Pedahtsur a, chèf a fis Mannasé yo; \v 55 ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, \p yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 56 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk \x + \xo 7:56 \xo*\xt Egz 30:7 \xt*\x* lansan; \p \v 57 yon towo, \p yon belye, \p yon\x + \xo 7:57 \xo*\xt Trav 8:32 \xt*\x* mal mouton nan laj 1 nan kòm yon ofrann brile; \p \v 58 yon mal kabrit pou yon ofrann peche; \p \v 59 epi pou ofrann \x + \xo 7:59 \xo*\xt Lev 3:1-17 \xt*\x* sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann Gamaliel, fis a Pedahtsur a. \p \v 60 Nan nevyèm jou a, se te \x + \xo 7:60 \xo*\xt Nonb 1:11 \xt*\x* Abidan fis a Guideoni a, chèf a fis Benjamin yo; \p \v 61 ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, \p yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 62 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk \x + \xo 7:62 \xo*\xt Rev 5:8 \xt*\x* lansan; \p \v 63 yon towo, \p yon belye, \p yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; \p \v 64 yon mal kabrit pou yon \x + \xo 7:64 \xo*\xt II Kor 5:21 \xt*\x* ofrann peche; \p \v 65 epi pou ofrann \x + \xo 7:65 \xo*\xt Kol 1:20 \xt*\x* sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Abidan, fis a Guideoni a. \p \v 66 Nan dizyèm jou a, se te Ahiézer fis a Ammischaddaï a, chèf a fis Dan yo. \v 67 Ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, \p yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon \x + \xo 7:67 \xo*\xt Egz 30:13 \xt*\x* sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 68 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk \x + \xo 7:68 \xo*\xt Sòm 141:2 \xt*\x* lansan; \p \v 69 yon towo, \p yon belye, \p yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; \p \v 70 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche; \p \v 71 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahiézer, fis a Ammischaddaï a. \p \v 72 Nan onzyèm jou a, se te \x + \xo 7:72 \xo*\xt Nonb 1:13 \xt*\x* Paguiel, fis a Ocran an, chèf a fis Acer yo; \v 73 ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, \p yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 74 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk \x + \xo 7:74 \xo*\xt Mal 1:11 \xt*\x* lansan; \p \v 75 yon towo, \p yon belye, \p yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; \v 76 yon mal kabrit kòm yon ofrann peche; \p \v 77 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Paguiel, fis a Ocran an. \p \v 78 Nan douzyèm jou a, se te \x + \xo 7:78 \xo*\xt Nonb 1:15 \xt*\x* Ahira, fis a Énan an, chèf a fis Nephtali yo; \v 79 ofrann pa li a se te \p yon plato an ajan avèk yon pèz san-trant sik, \p yon bòl an ajan nan swasann-dis sik, selon \x + \xo 7:79 \xo*\xt Esd 1:9-10 \xt*\x* sik sanktyè a, tou de plen avèk farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal; \p \v 80 yon kiyè soup an lò nan dis sik, ranpli avèk lansan; \p \v 81 yon towo, \p yon belye, \p yon mal mouton avèk laj 1 nan, kòm yon ofrann brile; \p \v 82 Yon mal kabrit kòm yon ofrann peche; \p \v 83 epi pou ofrann sakrifis lapè yo, de bèf, senk belye, senk mal kabrit, senk mal mouton nan laj 1 nan. Sa se te ofrann a Ahira, fis a Énan nan. \p \v 84 Sa se te ofrann \x + \xo 7:84 \xo*\xt Nonb 7:10 \xt*\x* dedikasyon pou lotèl la pa chèf Israël yo nan jou \x + \xo 7:84 \xo*\xt Nonb 7:1\xt*\x* lotèl la te onksyone a: douz plato an ajan, douz bòl an ajan, douz kiyè soup ki fèt an lò, \v 85 chak plato ajan te peze san-trant sik e chak bòl swasann-dis; tout ajan a zouti yo se te de-mil-kat-san (2,400) sik, selon sik sanktyè a; \v 86 douz kiyè soup an lò, plen lansan, ki peze dis sik chak, selon \x + \xo 7:86 \xo*\xt Egz 30:13 \xt*\x* sik a sanktyè a, tout lò a kiyè yo te fè san-ven (120) sik. \p \v 87 Tout bèf pou ofrann brile a, douz towo, belye yo douz, mal mouton nan laj 1 nan avèk ofrann sereyal pa yo, e douz mal kabrit kòm ofrann peche a; \v 88 epi tout bèf pou sakrifis lapè yo, venn-kat towo, belye yo, swasant, mal kabrit yo, swasant, mal mouton nan laj 1 nan yo, swasant. \x + \xo 7:88 \xo*\xt Nonb 7:1-10 \xt*\x* Sa se te ofrann dedikasyon lotèl la apre li te fin onksyone a. \p \v 89 Alò, lè Moïse te antre nan Tant Asanble a pou pale avèk Li, li te tande vwa la pale avèk li soti anwo \x + \xo 7:89 \xo*\xt Egz 25:21-22\xt*\x*twòn pwopiyatwa a ki te sou lach temwayaj la, ki sòti depi nan antre cheriben yo; e Li te pale avèk li. \c 8 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 2 “Pale avèk Aaron e di li: ‘Lè ou monte lanp yo, sèt lanp sa yo va \x + \xo 8:2 \xo*\xt Egz 25:37 \xt*\x* bay limyè pa devan chandelye a.’” \p \v 3 Konsa, Aaron te fè sa. Li te monte lanp pa li a pa devan chandelye a, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. \v 4 Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. \x + \xo 8:4 \xo*\xt Egz 25:9-40 \xt*\x* Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a. \p \v 5 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 6 “Pran Levit yo soti nan fis Israël yo e \x + \xo 8:6 \xo*\xt És 52:11 \xt*\x* fè yo vin pwòp. \v 7 Se konsa ou va fè pou fè yo vin pwòp: flite \x + \xo 8:7 \xo*\xt Nonb 19:9-20\xt*\x* dlo ki pirifye sou yo. Kite yo \x + \xo 8:7 \xo*\xt Lev 14:8-9\xt*\x*pase razwa sou tout kò yo e lave rad yo; epi yo va vin pwòp. \v 8 Konsa, kite yo pran yon towo avèk \x + \xo 8:8 \xo*\xt Lev 2:1 \xt*\x* ofrann sereyal li a, farin fen mele avèk lwil; epi yon dezyèm towo, ou va pran kòm yon ofrann peche. \v 9 Alò, \x + \xo 8:9 \xo*\xt Egz 29:4 \xt*\x* ou va prezante Levit yo devan Tant Asanble a. \x + \xo 8:9 \xo*\xt Lev 8:3\xt*\x*Ou va osi rasanble tout kongregasyon a fis Israël yo. \v 10 Ou va prezante Levit yo devan SENYÈ a. Fis Israël yo \x + \xo 8:10 \xo*\xt Lev 1:4 \xt*\x* va poze men yo sou Levit yo, \v 11 epi Aaron va prezante Levit yo devan SENYÈ a kòm yon \x + \xo 8:11 \xo*\xt Lev 7:30-34 \xt*\x* ofrann balanse vè lotèl la, soti nan fis Israël yo, pou yo kapab kalifye pou fè sèvis SENYÈ a. \p \v 12 “Alò, \x + \xo 8:12 \xo*\xt Egz 29:10\xt*\x*Levit yo va poze men yo sou tèt a towo yo, epi ou va ofri youn kòm yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou Levit yo. \v 13 Ou va fè Levit yo kanpe devan Aaron ak devan fis li yo pou prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la bay SENYÈ a. \v 14 Konsa, ou va separe Levit yo soti nan fis Israël yo, e \x + \xo 8:14 \xo*\xt Nonb 3:12 \xt*\x* Levit yo va vin pou Mwen. \p \v 15 “Epi apre sa, Levit yo kapab antre pou fè sèvis nan Tant Asanble a. Konsa, ou va netwaye yo e \x + \xo 8:15 \xo*\xt Egz 29:24 \xt*\x* prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la; \v 16 paske yo te vin pou Mwen nèt soti nan fis Israël yo. Mwen te pran yo pou Mwen menm \x + \xo 8:16 \xo*\xt Egz 13:2 \xt*\x* nan plas a tout sila ki sòti nan vant yo, premye ne nan tout fis Israël yo. \v 17 Paske \x + \xo 8:17 \xo*\xt Egz 13:2-15 \xt*\x* tout gason premye ne pami fis Israël yo se pou Mwen, pami moun yo, ak pami bèt yo. Nan jou ke M te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, Mwen te sanktifye yo pou Mwen menm. \v 18 Men Mwen te pran Levit yo nan plas a chak premye ne pami fis Israël yo. \v 19 \x + \xo 8:19 \xo*\xt Nonb 3:9 \xt*\x* Mwen te bay Levit yo kòm yon kado bay Aaron ak fis li yo soti pami fis Israël yo, pou ranpli sèvis a fis Israël yo nan Tant Asanble a, e pou fè ekspiyasyon pou fis Israël yo, jis pou pa vin gen gwo epidemi pami fis Israël yo akoz ke yo vin pwoche toupre sanktyè a.” \p \v 20 Konsa Moïse avèk Aaron, ak tout kongregasyon a fis Israël yo te fè pou Levit yo. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, konsa fis Israël yo te fè yo. \v 21 \x + \xo 8:21 \xo*\xt Nonb 8:7 \xt*\x* Levit yo tou, te pirifye yo menm de peche e te lave rad yo. Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Aaron, osi, te fè ekspiyasyon pou yo, pou fè yo vin pwòp. \v 22 Epi apre Levit yo te antre pou fè sèvis pa yo nan Tant Asanble a, devan Aaron ak devan fis li yo: jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse konsènan Levit yo, se konsa yo te fè pou yo. \p \v 23 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 24 “Sa se lòd ki aplike pou Levit yo: soti nan laj \x + \xo 8:24 \xo*\xt Nonb 4:3 \xt*\x* venn-senkan e plis, yo va antre pou fè sèvis nan travay a Tant Asanble a. \v 25 Men nan laj a senkantan, yo va pran retrèt nan sèvis travay la. Yo p ap travay ankò. \v 26 Sepandan, yo va asiste frè yo nan Tant Asanble a, pou kenbe devwa yo, men yo pa pou travay yo menm. Konsa ou va aji avèk Levit yo \x + \xo 8:26 \xo*\xt Nonb 1:53 \xt*\x* konsènan devwa yo.” \c 9 \p \v 1 SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a, nan \x + \xo 9:1 \xo*\xt Egz 40:2 \xt*\x* premye mwa nan dezyèm ane a lè yo te fin sòti nan Égypte la. Li te di: \v 2 “Alò, kite fis Israël yo obsève fèt Pak la nan \x + \xo 9:2 \xo*\xt Egz 12:6 \xt*\x* lè ki apwente pou li a. \v 3 Nan katòzyèm jou nan mwa sa a, nan aswè avan li fènwa, nou va obsève li nan lè apwente a. Nou va obsève li avèk tout règleman e avèk tout òdonans li yo.” \p \v 4 Konsa, Moïse te pale ak fis Israël yo pou obsève Pak la. \v 5 \x + \xo 9:5 \xo*\xt Jos 5:10 \xt*\x* Yo te obsève Pak la nan premye mwa, nan katòzyèm jou a, nan aswè lè li fenk kòmanse fènwa, nan dezè Sinaï a. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, se konsa fis Israël yo te fè. \p \v 6 Men te gen kèk mesye ki \x + \xo 9:6 \xo*\xt Nonb 5:2 \xt*\x* pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a. \v 7 Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè apwente pami fis Israël yo?” \p \v 8 Konsa, Moïse te reponn yo: \x + \xo 9:8 \xo*\xt Egz 18:15 \xt*\x* “Tann, e mwen va koute sa ke SENYÈ a va kòmande pou nou menm.” \p \v 9 Epi SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 10 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Si nenpòt nan nou, oswa nan desandan nou yo vin pa pwòp akoz yon mò, oswa se nan yon vwayaj, malgre sa, li kapab obsève Pak SENYÈ a. \v 11 Nan dezyèm mwa a, sou \x + \xo 9:11 \xo*\xt II Kwo 30:2-15 \xt*\x* katòzyèm jou a, nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa, yo va obsève li. Yo va manje li avèk pen san ledven ak zèb anmè. \v 12 Yo \x + \xo 9:12 \xo*\xt Egz 12:10 \xt*\x* p ap kite anyen ladann pou rive nan maten, \x + \xo 9:12 \xo*\xt Jn 19:36\xt*\x*ni kase okenn zo ladann. Selon tout règleman a Pak la, yo va obsève li. \v 13 Men mesye ki pwòp e ki pa nan yon vwayaj, ki malgre sa, neglije obsève Pak la, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a. Paske li pa t prezante ofrann bay SENYÈ a nan lè chwazi a. Nonm sila a \x + \xo 9:13 \xo*\xt Nonb 5:31 \xt*\x* va pote peche li. \p \v 14 “‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen \x + \xo 9:14 \xo*\xt Egz 12:49 \xt*\x* yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’” \p \v 15 Alò, nan \x + \xo 9:15 \xo*\xt Egz 40:2-17 \xt*\x* jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten. \v 16 Se konsa li te ye tout tan. \x + \xo 9:16 \xo*\xt Egz 40:34 \xt*\x* Nwaj te vin kouvri li nan lajounen, e aparans dife a nan lannwit. \p \v 17 \x + \xo 9:17 \xo*\xt Egz 40:36-38 \xt*\x* Nenpòt lè nwaj te leve sou tant lan, fis Israël yo te leve vwayaje. Nan plas kote nwaj la te vin poze a, se la fis Israël yo te kanpe fè kan an. \v 18 Sou kòmand a SENYÈ a, fis Israël yo te pati, e sou kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an. \x + \xo 9:18 \xo*\xt I Kor 10:1 \xt*\x* Tout tan ke nwaj la te poze sou tabènak la, yo te rete nan kan an. \p \v 19 Menm lè nwaj la te fè reta sou tabènak la pandan anpil jou, fis Israël yo te kenbe lòd SENYÈ a. Yo pa t pati. \v 20 Si, pafwa nwaj la te rete kèk jou sou tabènak la, \x + \xo 9:20 \xo*\xt Sòm 48:14 \xt*\x* selon kòmand SENYÈ a, yo te rete nan kan an. Epi selon kòmand SENYÈ a, yo te vin pati. \p \v 21 Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati. \v 22 Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men \x + \xo 9:22 \xo*\xt Sòm 48:14 \xt*\x* lè li te vin leve, yo te pati. \p \v 23 \x + \xo 9:23 \xo*\xt Sòm 73:24 \xt*\x* Ak kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an, e nan kòmand a SENYÈ a, yo te pati. Yo te kenbe lòd SENYÈ a selon kòmand SENYÈ a, selon Moïse. \c 10 \p \v 1 Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li: \v 2 Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati. \v 3 \x + \xo 10:3 \xo*\xt Jr 4:5 \xt*\x* Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a. \v 4 Men si se yon sèl ki sone, alò, se \x + \xo 10:4 \xo*\xt Egz 18:21 \xt*\x* chèf yo, tèt a dè milye an Israël yo ki va rasanble devan ou. \v 5 Lè nou sone pou avèti, kan ki rete \x + \xo 10:5 \xo*\xt Nonb 10:14 \xt*\x* nan kote lès yo, va pati. \v 6 Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan \x + \xo 10:6 \xo*\xt Nonb 10:18 \xt*\x* kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati. \v 7 Sepandan, lè nou ap reyini asanble a, ou va soufle twonpèt yo, men pa avèk son \x + \xo 10:7 \xo*\xt Jl 2:1 \xt*\x* avèti yo. \p \v 8 \x + \xo 10:8 \xo*\xt Nonb 31:6 \xt*\x* Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. \v 9 Lè nou fè lagè nan peyi nou kont advèsè ki vin atake nou yo, alò, nou va sone yon son avèti avèk twonpèt yo, pou nou kapab\x + \xo 10:9 \xo*\xt Jen 8:1 \xt*\x* sonje devan SENYÈ a, Bondye nou an, e vin sove de lènmi nou yo. \v 10 “Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, \x + \xo 10:10 \xo*\xt Sòm 81:3-5 \xt*\x* nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.” \p \v 11 Alò, nan \x + \xo 10:11 \xo*\xt Egz 40:17 \xt*\x* dezyèm ane a, nan dezyèm mwa a, nan ventyèm nan mwa a, nwaj la te leve pa anwo tabènak temwayaj la. \v 12 Konsa, fis Israël yo te pati nan \x + \xo 10:12 \xo*\xt Egz 40:36 \xt*\x* vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan \x + \xo 10:12 \xo*\xt Nonb 12:16\xt*\x*dezè Paran an. \v 13 \x + \xo 10:13 \xo*\xt Det 1:6 \xt*\x* Konsa, yo te derape pou premye fwa selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse. \p \v 14 Drapo kan Juda a selon lame pa yo, \x + \xo 10:14 \xo*\xt Nonb 2:3-9\xt*\x*te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li. \v 15 Nethaneel, fis a Tsuar a, te sou lame tribi a fis Issacar yo. \v 16 Eliab, fis a Hélon an, te sou lame tribi a fis Zabulon an, \v 17 \x + \xo 10:17 \xo*\xt Nonb 4:21-32\xt*\x*Tabènak la te vin demonte, epi fis a Guerschon yo avèk fis a Merari yo, ki t ap pote tabènak la, te pati. \p \v 18 Apre, \x + \xo 10:18 \xo*\xt Nonb 2:10-16\xt*\x*drapo kan Ruben an, selon lame pa yo te pati avèk Élitsur, fis a Schedéur a sou lame pa li. \v 19 Schelumiel, fis a Tsurischaddaï a te sou lame tribi a fis Siméon yo. \v 20 Élisaph, fis a Déuel la te sou lame tribi a fis Gad yo. \v 21 \x + \xo 10:21 \xo*\xt Nonb 4:4-20\xt*\x*Epi Kehath yo te derape. Yo t ap pote bagay sen yo. Lòt yo te gen tan monte tabènak avan ke yo te rive. \p \v 22 \x + \xo 10:22 \xo*\xt Nonb 2:18-24\xt*\x*Apre, drapo a kan Ephraïm nan te pati, selon lame pa yo. Élischama, fis a Ammihud la te sou tèt lame pa li a. \v 23 Gamaliel, fis a Pedahstsur te sou tèt lame tribi a fis Manassé yo. \v 24 Abidan, fis a Guideoni te sou tèt lame a fis Benjamin yo. \p \v 25 Drapo kan fis a Dan nan, selon lame yo, te fòme gad an aryè pou tout kan yo. Yo derape avèk Ahiézer, fis a Ammischaddaï sou tèt lame pa li a. \v 26 Paguiel, fis a Ocran an te sou tèt lame tribi a fis Aser yo. \v 27 Ahira, fis a Énan an, te sou tèt lame tribi a fis Nephtali yo. \v 28 Konsa te lòd vwayaj la a pou fis Israël yo selon lame pa yo, lè yo te vin pati. \p \v 29 Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a \x + \xo 10:29 \xo*\xt Det 4:40\xt*\x*te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.” \p \v 30 Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.” \p \v 31 Alò li te di: “Souple, pa kite nou, kòmsi ou konnen kote nou dwe fè kan nan dezè a, e ou \x + \xo 10:31 \xo*\xt Job 29:15\xt*\x*va pou nou tankou zye nou. \v 32 Se konsa sa va ye, ke si ou ale avèk nou, ke nenpòt sa ki bon ke SENYÈ a fè pou nou, \x + \xo 10:32 \xo*\xt Lev 19:34\xt*\x*nou va fè pou ou tou.” \p \v 33 Konsa yo te pati soti nan mòn SENYÈ a, yon vwayaj twa jou avèk \x + \xo 10:33 \xo*\xt Det 1:33\xt*\x*lach temwayaj SENYÈ a ki te vwayaje pandan twa jou devan yo pou chache yon kote pou yo kab poze. \v 34 \x + \xo 10:34 \xo*\xt Nonb 9:15-23\xt*\x*Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an. \p \v 35 Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite \x + \xo 10:35 \xo*\xt Det 7:10\xt*\x*sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.” \p \v 36 Lè l te vin poze li te di: “Retounen, O SENYÈ a vè \x + \xo 10:36 \xo*\xt Det 1:10\xt*\x*bokou milye de Israël yo.” \c 11 \p \v 1 Alò, pèp la te devni kòm \x + \xo 11:1 \xo*\xt Nonb 14:2 \xt*\x* sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an. \v 2 \x + \xo 11:2 \xo*\xt Nonb 12:11-13 \xt*\x* Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti. \v 3 Konsa, non a kote sa a te rele \x + \xo 11:3 \xo*\xt Det 9:22 \xt*\x* Tabeéra akoz dife SENYÈ a ki te brile pami yo. \p \v 4 \x + \xo 11:4 \xo*\xt I Kor 10:6 \xt*\x* Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje? \v 5 \x + \xo 11:5 \xo*\xt Egz 16:3 \xt*\x* Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay; \v 6 men koulye a, \x + \xo 11:6 \xo*\xt Nonb 21:5 \xt*\x* nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.” \p \v 7 \x + \xo 11:7 \xo*\xt Egz 16:31 \xt*\x* Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik. \v 8 Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil. \v 9 \x + \xo 11:9 \xo*\xt Egz 16:13-14 \xt*\x* Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l. \p \v 10 Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan. \v 11 \x + \xo 11:11 \xo*\xt Egz 5:22 \xt*\x* Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen? \v 12 Èske se mwen menm ki te vin peple fè tout pèp sa a? Èske se mwen menm ki te fè yo vin parèt pou Ou ta di mwen: ‘Pote yo nan sen ou tankou yon fanm nouris pote yon ti bebe k ap tete, pou rive nan yon peyi ke \x + \xo 11:12 \xo*\xt Jen 24:7 \xt*\x* Ou te sèmante a papa yo?’ \v 13 Kote mwen ap jwenn vyann pou bay \x + \xo 11:13 \xo*\xt Nonb 11:21-22 \xt*\x* tout pèp sa a? Paske yo kriye devan m! Yo te di: ‘Bannou vyann pou nou kapab manje!’ \v 14 \x + \xo 11:14 \xo*\xt Egz 18:18 \xt*\x* Mwen sèl mwen p ap kab pote tout pèp sa a; se twòp chaj pou mwen. \v 15 \x + \xo 11:15 \xo*\xt Egz 32:32 \xt*\x* Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.” \p \v 16 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Rasanble pou Mwen \x + \xo 11:16 \xo*\xt Egz 24:1-9 \xt*\x* swasann-dis nonm ki soti nan ansyen Israël yo, pami sila a ou konnen kòm ansyen a pèp la, ak ofisyèl yo. Mennen yo nan tant asanble a e kite yo vin fè kanpe pa yo ansanm avè w la a. \v 17 Alò, Mwen va vin desann pou pale avèk ou la a. Konsa, Mwen va pran nan \x + \xo 11:17 \xo*\xt I Sam 10:6 \xt*\x* lespri ki sou ou a, pou mete li sou yo; epi yo va pote fado a avèk ou, pou ou pa oblije pote li ou sèl ou. \p \v 18 “Di a pèp la: \x + \xo 11:18 \xo*\xt Egz 19:10-22 \xt*\x* ‘Konsakre nou pou demen e nou va manje vyann; paske nou te kriye nan zòrèy SENYÈ a, e te di: “O ke yon moun bannou vyann pou nou manje! Paske nou te byen okipe an Égypte.” Konsa, SENYÈ a va bannou vyann, e nou va manje. \v 19 Nou va manje, pa pou yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni di jou, ni ven jou, \v 20 men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz \x + \xo 11:20 \xo*\xt Jos 24:27 \xt*\x* nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’” \p \v 21 Men Moïse te di: “Pèp pami sila Mwen ye a se sis-san-mil sou pye; sepandan, Ou te di, ‘Mwen va bay yo vyann, pou yo kab manje jis yon mwa nèt.’ \p \v 22 “Si bann mouton avèk twoupo yo ta touye pou yo èske sa ta sifi pou yo?” \p \v 23 SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si \x + \xo 11:23 \xo*\xt Éz 12:25\xt*\x*pawòl Mwen va vin vrè pou ou oswa non.” \p \v 24 Konsa, Moïse te sòti deyò. Li te \x + \xo 11:24 \xo*\xt Nonb 11:6 \xt*\x* di pèp la pawòl SENYÈ a. Osi, li te rasanble swasann-dis gason nan ansyen pami pèp la, e li te estasyone yo antoure tant la. \v 25 \x + \xo 11:25 \xo*\xt Nonb 11:17 \xt*\x* Alò, SENYÈ a te vin desann nan nwaj la, e Li te pale avèk li. Li te pran nan Lespri ki te sou li a, e li te plase Li sou swasann-dis ansyen yo. Epi lè Lespri a te poze sou yo, yo te pwofetize. Men yo pa t fè sa ankò. \p \v 26 Men de mesye nan ansyen yo te rete nan kan an; Non a youn te Eldad, e non a lòt la te Médad. Epi \x + \xo 11:26 \xo*\xt Nonb 24:2 \xt*\x* Lespri a te vin rete sou yo. Yo menm te pami sila ki te anrejistre kòm ansyen yo, men ki pa t sòti pou ale nan tant lan; men yo te pwofetize nan kan an. \v 27 Konsa, yon jennonm te kouri di Moïse: “Eldad avèk Médad ap pwofetize nan kan an.” \p \v 28 Epi \x + \xo 11:28 \xo*\xt Egz 33:11 \xt*\x* Josué, fis a Nun nan, ki te sèvitè Moïse depi nan jenès li, te di: “Moïse, senyè mwen an, anpeche yo.” \p \v 29 Men Moïse te di li: “Èske ou jalou pou tèt mwen? \x + \xo 11:29 \xo*\xt I Kor 14:5 \xt*\x* Pito ke tout pèp SENYÈ a te pwofèt, pou SENYÈ a ta mete Lespri Li sou yo!” \v 30 Epi Moïse te retounen nan kan an, ni li, ni ansyen Israël yo. \p \v 31 \x + \xo 11:31 \xo*\xt Sòm 78:26-28 \xt*\x* Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a. \p \v 32 Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an. \v 33 \x + \xo 11:33 \xo*\xt Sòm 78:29-31 \xt*\x* Pandan vyann nan te toujou nan dan yo, avan yo te menm moulen li, kòlè SENYÈ a te vin limen kont pèp la, e SENYÈ a te frape pèp la avèk yon epidemi byen sevè. \v 34 Konsa, non a kote sa a te rele \x + \xo 11:34 \xo*\xt Det 9:22 \xt*\x* Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo. \p \v 35 Soti nan Kibroth Hattaava, \x + \xo 11:35 \xo*\xt Nonb 33:17 \xt*\x* pèp la te ale Hazeroth, e yo te vin rete Hazeroth. \c 12 \p \v 1 Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm \x + \xo 12:1 \xo*\xt Egz 2:21 \xt*\x* Koushit; \v 2 \x + \xo 12:2 \xo*\xt Nonb 16:3 \xt*\x* Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa. \p \v 3 Alò, nonm Moïse la te \x + \xo 12:3 \xo*\xt Mat 11:29 \xt*\x* trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a. \p \v 4 Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti. \v 5 Epi SENYÈ a te desann nan yon \x + \xo 12:5 \xo*\xt Egz 19:9 \xt*\x* pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse. \v 6 Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon \x + \xo 12:6 \xo*\xt I Sam 3:15 \xt*\x* vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon \x + \xo 12:6 \xo*\xt Jen 31:11\xt*\x* rèv. \v 7 Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. \x + \xo 12:7 \xo*\xt Eb 3:2-5 \xt*\x* Li fidèl nan tout kay Mwen; \v 8 Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè \x + \xo 12:8 \xo*\xt Egz 24:10-11 \xt*\x* fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?” \p \v 9 Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e \x + \xo 12:9 \xo*\xt Jen 17:22 \xt*\x* Li te pati. \v 10 Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj. \p Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen \x + \xo 12:10 \xo*\xt Egz 4:6 \xt*\x* lalèp. \v 11 Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, \x + \xo 12:11 \xo*\xt II Sam 19:19 \xt*\x* pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a. \v 12 O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!” \p \v 13 Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, \x + \xo 12:13 \xo*\xt És 30:26 \xt*\x* geri li, mwen priye Ou!” \p \v 14 Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou \x + \xo 12:14 \xo*\xt Nonb 5:1-4 \xt*\x* deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.” \v 15 Konsa\x + \xo 12:15 \xo*\xt Det 24:9 \xt*\x* Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò. \p \v 16 Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an. \c 13 \p \v 1 Konsa, \x + \xo 13:1 \xo*\xt Det 1:22-23 \xt*\x* SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 2 \x + \xo 13:2 \xo*\xt Det 1:22 \xt*\x* Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo. \p \v 3 Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo. \p \v 4 Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a; \v 5 soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a; \v 6 pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a; \v 7 pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la; \v 8 pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan \v 9 pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a; \v 10 pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a; \v 11 pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a; \v 12 pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a; \v 13 pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la; \v 14 pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a; \v 15 pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a. \p \v 16 Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele \x + \xo 13:16 \xo*\xt Nonb 13:8 \xt*\x* Hosée, fis a Nun nan, Josué. \v 17 Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan \x + \xo 13:17 \xo*\xt Jen 12:9 \xt*\x* negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo. \v 18 Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun. \v 19 Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò? \v 20 Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi. \p \v 21 Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan. \v 22 Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.) \v 23 Yo te rive nan vale \x + \xo 13:23 \xo*\xt Nonb 13:24 \xt*\x* Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans. \v 24 Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo. \v 25 Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo. \v 26 Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè \x + \xo 13:26 \xo*\xt Nonb 20:1-14 \xt*\x* Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a. \v 27 Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e \x + \xo 13:27 \xo*\xt Det 1:25 \xt*\x* sa a se fwi li. \p \v 28 “Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè \x + \xo 13:28 \xo*\xt Nonb 13:33 \xt*\x* desandan Anak yo la. \v 29 Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, \x + \xo 13:29 \xo*\xt Jos 10:6 \xt*\x* Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e \x + \xo 13:29 \xo*\xt Nonb 14:43-45 \xt*\x* Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.” \p \v 30 Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.” \p \v 31 Men mesye ki te monte avè l yo te di: \x + \xo 13:31 \xo*\xt Det 1:28 \xt*\x* “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.” \v 32 Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se \x + \xo 13:32 \xo*\xt Éz 36:13-14 \xt*\x* yon peyi ki devore moun li ye, e \x + \xo 13:32 \xo*\xt Am 2:9\xt*\x*tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran. \v 33 La, osi, nou te wè \x + \xo 13:33 \xo*\xt Jen 6:4 \xt*\x* jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.” \c 14 \p \v 1 Epi tout kongregasyon an te leve vwa yo pou te rele, e pèp la te kriye nan nwit lan. \v 2 Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: \x + \xo 14:2 \xo*\xt Nonb 11:5 \xt*\x* “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a! \v 3 Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, \x + \xo 14:3 \xo*\xt Egz 5:21 \xt*\x* pou tonbe anba nepe? \x + \xo 14:3 \xo*\xt Nonb 14:31\xt*\x* Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?” \v 4 Epi yo te di youn lòt: \x + \xo 14:4 \xo*\xt Nonb 9:17 \xt*\x* “Annou chwazi yon chèf, pou retounen an Égypte.” \p \v 5 \x + \xo 14:5 \xo*\xt Nonb 16:4 \xt*\x* Konsa, Moïse avèk Aaron te tonbe sou figi yo nan prezans a tout asanble kongregasyon a fis Israël yo. \v 6 Josué, fis a Nun lan avèk Caleb, fis a Jephaunné a, nan sila ki te fè espyonaj nan peyi a, te chire rad yo. \v 7 Yo te pale avèk tout kongregasyon a fis Israël yo, e te di: \x + \xo 14:7 \xo*\xt Nonb 13:27 \xt*\x* “Peyi ke nou te pase ladann pou fè ankèt la, se yon vrèman bon peyi. \v 8 \x + \xo 14:8 \xo*\xt Det 10:15 \xt*\x* Si SENYÈ a kontan avèk nou, alò, Li va mennen nou nan peyi sa a pou bannou li—yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. \v 9 Sèlman, \x + \xo 14:9 \xo*\xt Det 1:26 \xt*\x* pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.” \p \v 10 Men tout kongregasyon an te kòmanse lapide yo avèk kout wòch. Konsa \x + \xo 14:10 \xo*\xt Egz 16:10 \xt*\x* laglwa SENYÈ a te parèt nan tant asanble a a tout fis Israël yo. \v 11 SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, \x + \xo 14:11 \xo*\xt Sòm 106:24 \xt*\x* moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo? \v 12 Mwen va frape yo avèk gwo mizè. Mwen va dizerite yo. Mwen va \x + \xo 14:12 \xo*\xt Egz 32:10 \xt*\x* fè ou menm vin fòme yon nasyon pi gwo e pi fò ke yo.” \p \v 13 \x + \xo 14:13 \xo*\xt Egz 32:11-14 \xt*\x* Men Moïse te reponn SENYÈ a: “Alò Ejipsyen yo va tande bagay sa a, paske pa pwisans Ou, Ou te mennen fè monte pèp sa a soti nan mitan yo. \v 14 Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske \x + \xo 14:14 \xo*\xt Egz 13:21 \xt*\x* Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la. \v 15 Alò, si ou touye pèp sa a tankou se yon sèl moun, \x + \xo 14:15 \xo*\xt Egz 32:12 \xt*\x* alò, nasyon ki te tande tout istwa Ou yo, va di: \v 16 ‘Akoz SENYÈ a \x + \xo 14:16 \xo*\xt Jos 7:7 \xt*\x* pa t kab mennen pèp sa nan peyi ke Li te pwomèt yo avèk sèman an, pou sa, li te detwi yo nan dezè a.’ \p \v 17 “Men koulye a, mwen priye, pou pwisans a SENYÈ a vin gwo, jis jan ke Ou te deklare a, \v 18 \x + \xo 14:18 \xo*\xt Sòm 145:8 \xt*\x* ‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’ \p \v 19 \x + \xo 14:19 \xo*\xt Egz 32:32 \xt*\x* “Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.” \p \v 20 Konsa, SENYÈ a te di: \x + \xo 14:20 \xo*\xt Mi 7:18-20 \xt*\x* “Mwen te padone yo, jan ou te mande a; \v 21 men vrèman, jan Mwen viv la, \x + \xo 14:21 \xo*\xt És 6:3 \xt*\x* tout latè va ranpli avèk laglwa SENYÈ a. \v 22 Vrèman, \x + \xo 14:22 \xo*\xt I Kor 10:5 \xt*\x* tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M. \v 23 Pa gen youn nan yo k ap \x + \xo 14:23 \xo*\xt Nonb 26:65 \xt*\x* wè peyi ke M te sèmante a papa yo a, ni p ap gen nan sila ki te rejte M yo, k ap wè l. \v 24 Men sèvitè Mwen an, Caleb, \x + \xo 14:24 \xo*\xt Nonb 14:6-9 \xt*\x* akoz li te gen yon lòt lespri, e li te swiv Mwen nèt, \x + \xo 14:24 \xo*\xt Jos 14:6-15\xt*\x*Mwen va mennen l nan peyi kote li te antre a, e desandan li yo va vin pran posesyon li. \v 25 \x + \xo 14:25 \xo*\xt Nonb 13:29 \xt*\x* Alò, moun Amalec avèk Canaran yo ap viv nan vale yo. Vire demen pou pati pou dezè a pa chemen Lamè Wouj la. \p \v 26 “SENYÈ a te pale avèk Moïse, e te di: \v 27 Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap \x + \xo 14:27 \xo*\xt Nonb 11:1 \xt*\x* bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen. \p \v 28 “Di yo: ‘Jan Mwen vivan an, di SENYÈ a, mwen va fè pou ou tout bagay \x + \xo 14:28 \xo*\xt Det 2:14-15 \xt*\x* jan Mwen te tande ou di a. \v 29 \x + \xo 14:29 \xo*\xt Eb 3:17 \xt*\x* Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo, \v 30 vrèman, nou p ap antre nan peyi kote Mwen te sèmante pou mete nou an, \x + \xo 14:30 \xo*\xt Nonb 14:24 \xt*\x* sof Caleb, fis a Jephunné a ak Jousé, fis a Nun nan. \v 31 Men \x + \xo 14:31 \xo*\xt Nonb 14:3 \xt*\x* pitit nou yo, ke nou te di ki ta devni yon objè lachas— Mwen va mennen yo antre ladann. Yo va konnen peyi ke nou menm te rejte a. \p \v 32 \x + \xo 14:32 \xo*\xt Nonb 26:64-65 \xt*\x*“‘Men pou nou menm, kadav nou va tonbe nan dezè sila a. \v 33 Fis nou yo va vin bèje pandan \x + \xo 14:33 \xo*\xt Det 2:7 \xt*\x*karantan nan dezè a, e yo va soufri pou enfidelite nou yo jiskaske kadav nou kouche nan dezè a. \v 34 Selon nonb de jou ke nou te fè ankèt nan peyi a, karant jou, pou chak jou, nou va pote inikite nou yo pandan 1 nan, Ki fè karantan total, e nou va konprann opozisyon Mwen an.’ \v 35 \x + \xo 14:35 \xo*\xt Nonb 23:19 \xt*\x*Mwen, SENYÈ a te pale. Se vrèman sa Mwen va fè a tout kongregasyon mechan sila ki rasanble kont Mwen an. Nan dezè sa a, yo va vin detwi, e la yo va mouri.” \p \v 36 \x + \xo 14:36 \xo*\xt Nonb 13:4-32 \xt*\x*Pou mesye ke Moïse te voye pou fè ankèt nan peyi a, e ki te retounen pou fè tout kongregasyon an bougonnen kont Li yo lè yo te vin sòti avèk yon move rapò sou peyi a, \v 37 menm mesye sila yo ki te fè sòti rapò byen move a, yo te vin mouri akoz yon epidemi devan SENYÈ a. \v 38 Men Josué, fis Nun nan ak Caleb, fis a Jephaunné a te rete vivan pami sila ki te ale fè espyonaj peyi a. \p \v 39 Lè Moïse te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, \x + \xo 14:39 \xo*\xt Egz 33:4\xt*\x*pèp la te leve fè gwo lamantasyon. \v 40 Sepandan, nan maten, yo te leve bonè, yo te monte vè krèt kolin ki nan peyi kolin yo. Yo te di: \x + \xo 14:40 \xo*\xt Det 1:41-44 \xt*\x*“Men nou isit la! Nou te vrèman fè peche, men nou va monte vè kote ke SENYÈ a te pwomèt la.” \p \v 41 Men Moïse te di: \x + \xo 14:41 \xo*\xt II Kwo 24:20 \xt*\x*“Poukisa nou ap transgrese kòmandman a SENYÈ a, lè sa p ap reyisi? \v 42 \x + \xo 14:42 \xo*\xt Det 1:42 \xt*\x*Pa monte, oswa nou va frape devan lènmi nou yo, paske SENYÈ a pa pami nou. \v 43 Paske, moun Amalec yo ak Kananeyen yo va la devan nou, e nou va vin tonbe anba nepe, akoz ke nou te vire an aryè kite SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a p ap avèk nou.” \p \v 44 Men san prekosyon, yo te monte nan krèt peyi kolin nan. Men ni \x + \xo 14:44 \xo*\xt Nonb 31:6 \xt*\x*lach temwayaj la, ni Moïse te kite kan an. \v 45 Alò, moun Amalec yo avèk Kananeyen ki te rete nan peyi kolin yo, te vin desann. Yo te frape yo, e te bat yo jis rive nan \x + \xo 14:45 \xo*\xt Nonb 21:3 \xt*\x*Horma. \c 15 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: \x + \xo 15:2 \xo*\xt Lev 23:10 \xt*\x*‘Lè nou antre nan peyi kote nou dwe viv la, peyi ke Mwen ap bannou an, \v 3 alò, fè yon ofrann pa dife a SENYÈ a—yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon \x + \xo 15:3 \xo*\xt Lev 22:21 \xt*\x*ve espesyal, swa kòm yon ofrann bòn volonte, swa nan \x + \xo 15:3 \xo*\xt Lev 23:1-44\xt*\x*tan apwente yo, pou fè yon odè ki santi bon a SENYÈ a, soti nan twoupo oswa nan bann mouton— \v 4 \x + \xo 15:4 \xo*\xt Nonb 28:1-31 \xt*\x*sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil. \v 5 Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou \x + \xo 15:5 \xo*\xt Lev 19:34\xt*\x*chak jenn mouton. \p \v 6 “‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil; \v 7 epi pou ofrann bwason an, ou va ofri yon tyè boutèy diven kòm yon odè santi bon a SENYÈ a. \p \v 8 “‘Lè ou fin prepare \x + \xo 15:8 \xo*\xt Lev 1:3 \xt*\x*yon towo kòm yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, oswa ofrann lapè bay SENYÈ a, \v 9 alò, ou va ofri avèk towo a yon ofrann sereyal fèt ak twa dizyèm efa farin fen mele avèk yon mwatye boutèy lwil; \v 10 epi ou va ofri kòm ofrann bwason, yon mwatye boutèy diven kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. \v 11 Konsa, li va fèt pou chak bèf, oswa chak belye, oswa chak nan jenn mouton mal yo, oswa kabrit yo. \v 12 Selon kantite ke nou prepare yo, konsa nou va fè pou chak selon kantite ki genyen an. \p \v 13 “‘Tout sila ki natif peyi yo, yo va fè bagay sa yo nan menm mod la, nan prezante yon ofrann pa dife a, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. \v 14 Si yon etranje vin demere pami nou, oswa youn ki kapab pami nou pandan tout jenerasyon yo, e li vle fè yon ofrann pa dife, kòm yon ofrann ki santi bon a SENYÈ a, menm jan ak nou, se konsa li va fè l. \v 15 Epi pou asanble a, va genyen \x + \xo 15:15 \xo*\xt Nonb 9:14 \xt*\x*yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a. \v 16 Va genyen \x + \xo 15:16 \xo*\xt Lev 24:22 \xt*\x*yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’” \p \v 17 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 18 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote Mwen mennen nou an, \v 19 alò konsa sa va rive, ke lè nou manje nan \x + \xo 15:19 \xo*\xt Jos 5:11-12 \xt*\x* manje peyi a, nou va leve yon ofrann bay SENYÈ a. \p \v 20 \x + \xo 15:20 \xo*\xt Egz 34:26 \xt*\x*“‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li. \v 21 Soti nan premye bòl farin moulen an, nou va bay SENYÈ a yon ofrann pandan tout jenerasyon nou yo. \v 22 Men lè nou tonbe fè yon fòt ki \x + \xo 15:22 \xo*\xt Lev 4:2 \xt*\x*pa eksprè, e nou vin pa obsève tout kòmandman sila ke SENYÈ a te pale a Moïse yo— \v 23 tout sa ke SENYÈ a te kòmande pa Moïse yo soti nan jou ke SENYÈ a te bay kòmandman an, avanse rive nèt pou tout jenerasyon yo— \v 24 alò, li va konte ke si sa fèt san entansyon, e san konesans kongregasyon an, ke tout kongregasyon an va ofri yon towo kòm yon ofrann brile, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a, \x + \xo 15:24 \xo*\xt Nonb 15:8-10\xt*\x*avèk ofrann sereyal pa li a, ak ofrann bwason li an, selon òdonans lan, ak yon mal kabrit pou yon ofrann peche. \v 25 Konsa, \x + \xo 15:25 \xo*\xt Lev 4:20 \xt*\x*prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a. \p \v 26 “‘Konsa, tout kongregasyon fis Israël yo va vin padone, avèk etranje ki demere pami yo, paske sa te rive a tout pèp la akoz fòt \x + \xo 15:26 \xo*\xt Nonb 15:24 \xt*\x* erè a. \v 27 Osi, si yon moun fè peche \x + \xo 15:27 \xo*\xt Lev 4:27-31 \xt*\x*ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche. \v 28 \x + \xo 15:28 \xo*\xt Lev 4:35 \xt*\x*Prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou moun ki kite chemen an lè li fè peche ki pa eksprè a, pou li k ap fè ekspiyasyon pou li pou jiskaske li kapab padone. \v 29 Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo. \v 30 Men moun ki fè yon bagay avèk \x + \xo 15:30 \xo*\xt Nonb 14:40-44 \xt*\x* rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a. \v 31 \x + \xo 15:31 \xo*\xt II Sam 12:9 \xt*\x*Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a, e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman koupe retire. Koupabilite li va rete sou li.’” \p \v 32 Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan \x + \xo 15:32 \xo*\xt Egz 31:14-15 \xt*\x*jou Saba a. \v 33 Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a. \v 34 Konsa, yo te arete li, \x + \xo 15:34 \xo*\xt Nonb 9:8 \xt*\x*akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li. \v 35 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. \x + \xo 15:35 \xo*\xt Lev 24:14-23 \xt*\x*Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.” \p \v 36 Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 37 SENYÈ a te osi pale avèk Moïse e te di: \v 38 “Pale avèk fis Israël yo e di yo ke yo va fè pou yo menm \x + \xo 15:38 \xo*\xt Det 22:12 \xt*\x*ponpon sou kwen vètman yo pandan tout jenerasyon yo, e ke yo va mete sou ponpon nan chak kwen an, yon kòd ble. \v 39 Se va yon ponpon pou nou gade, e pou \x + \xo 15:39 \xo*\xt Det 4:23 \xt*\x*sonje tout kòmandman SENYÈ yo, pou nou obeyi yo, e pa pwostitiye tèt nou jan noun te kon fè, nan swiv dezi pwòp kè nou ak zye nou, \v 40 e pou nou sonje pou fè tout kòmandman Mwen yo, e pou \x + \xo 15:40 \xo*\xt Lev 11:44-45 \xt*\x* rete sen a Bondye nou an. \p \v 41 “Mwen menm se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, pou M kab vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.” \c 16 \p \v 1 Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo, \v 2 epi yo te vin souleve devan Moïse. Ansanm avèk kèk nan fis Israël yo, de-san-senkant nan chèf kongregasyon an, mesye ki te byen rekonèt, ki te \x + \xo 16:2 \xo*\xt Nonb 1:16 \xt*\x*chwazi pa asanble a, \v 3 yo te reyini ansanm \x + \xo 16:3 \xo*\xt Sòm 106:16 \xt*\x*kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e \x + \xo 16:3 \xo*\xt Nonb 5:3\xt*\x*SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?” \p \v 4 Lè Moïse te tande sa, \x + \xo 16:4 \xo*\xt Nonb 14:5 \xt*\x*li te tonbe sou figi li. \v 5 Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. \x + \xo 16:5 \xo*\xt Nonb 17:5-8 \xt*\x*Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm. \v 6 Fè sa: Fè Koré ak tout konpanyen li pran asanswa a pou kont nou. \v 7 Konsa, mete dife ladann, e poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Moun nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. \x + \xo 16:7 \xo*\xt Nonb 16:3 \xt*\x*Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!” \p \v 8 Moïse te di a Koré: “Tande koulye a fis a Levi yo! \v 9 \x + \xo 16:9 \xo*\xt És 7:13 \xt*\x*Èske li pa sifi pou nou ke Bondye Israël la te separe nou soti nan tout rès kongregasyon Israël la, pou mennen nou touprè a Li menm? Pou fè sèvis tabènak SENYÈ a, e pou vin kanpe devan kongregasyon an pou sèvi yo? \v 10 E ke li te mennen nou touprè, tout frè ou yo Koré, fis a Levi yo avèk ou? Epi èske w ap \x + \xo 16:10 \xo*\xt Nonb 3:10 \xt*\x*chache pozisyon prèt la tou? \v 11 Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm \x + \xo 16:11 \xo*\xt Egz 16:7 \xt*\x*kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou \x + \xo 16:11 \xo*\xt I Kor 10:10\xt*\x*nou vin plenyen kont li?” \p \v 12 Konsa, Moïse te voye yon lòd bay Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, men yo te di: “Nou p ap monte.” \v 13 Èske sa pa ase ke ou te mennen nou sòti nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl \x + \xo 16:13 \xo*\xt Nonb 14:2-3 \xt*\x*pou fè nou vin mouri nan dezè a, men ou ta, osi, vin chèf sou nou? \p \v 14 Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj \x + \xo 16:14 \xo*\xt Egz 23:10-11 \xt*\x*tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta \x + \xo 16:14 \xo*\xt I Sam 11:2\xt*\x*pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte? \v 15 Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: \x + \xo 16:15 \xo*\xt Jen 4:4-5 \xt*\x*“Pa aksepte ofrann pa yo! \x + \xo 16:15 \xo*\xt I Sam 12:3\xt*\x*Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.” \p \v 16 Moïse te di a Koré: “Ou menm avèk tout konpanyen ou yo, parèt devan SENYÈ a demen; ni ou menm, yo menm ansanm avèk Aaron. \v 17 Chak nan nou pran veso dife li, mete lansan sou li, e chak nan nou pote veso lansan an devan SENYÈ a, de-san-senkant veso dife; osi ou menm avèk Aaron va chak pote veso dife pa li a.” \v 18 Konsa, yo chak te pran pwòp veso dife a e te mete dife ladann. Yo te mete lansan sou li, epi yo te kanpe nan pòtay tant asanble a, avèk Moïse ak Aaron. \v 19 Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a. \p Epi \x + \xo 16:19 \xo*\xt Nonb 14:10 \xt*\x*glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an. \v 20 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron, e te di: \v 21 \x + \xo 16:21 \xo*\xt Nonb 16:45 \xt*\x*“Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, \x + \xo 16:21 \xo*\xt Egz 32:10-12\xt*\x*pou Mwen kapab manje yo koulye a.” \p \v 22 Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, \x + \xo 16:22 \xo*\xt Nonb 27:16 \xt*\x*Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?” \p \v 23 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 24 “Pale avèk kongregasyon an e di: \x + \xo 16:24 \xo*\xt Nonb 16:45 \xt*\x* ‘Sòti nan andwa tant Koré yo, Dathan avèk Abiram!’” \p \v 25 Alò, Moïse te leve ale vè Dathan ak Abiram, avèk ansyen a Israël ki t ap swiv li yo. \v 26 Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: \x + \xo 16:26 \xo*\xt És 52:11 \xt*\x*“Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, \x + \xo 16:26 \xo*\xt Jen 19:15\xt*\x*sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.” \v 27 Konsa, yo te soti nan tant a Koré yo, Dathan ak Abiram de tout kote. Dathan ak Abiram te vin kanpe nan pòtay tant pa yo a, ansanm avèk madanm yo, e \x + \xo 16:27 \xo*\xt Nonb 26:11 \xt*\x*fis yo, ansanm ak timoun yo. \p \v 28 Moïse te di: “Selon sa, nou va konnen ke \x + \xo 16:28 \xo*\xt Egz 3:12-15 \xt*\x*SENYÈ a te voye mwen pou fè tout zèv sa yo; paske sa se pa nan tèt mwen y ap soti. \v 29 Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri \x + \xo 16:29 \xo*\xt Ekl 3:19 \xt*\x*desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen. \v 30 Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo \x + \xo 16:30 \xo*\xt Sòm 55:15 \xt*\x*desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.” \p \v 31 Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri. \v 32 Konsa, \x + \xo 16:32 \xo*\xt Det 11:6 \xt*\x*latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo. \v 33 Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a. \v 34 Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!” \p \v 35 \x + \xo 16:35 \xo*\xt Nonb 11:1-3 \xt*\x*Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile \x + \xo 16:35 \xo*\xt Nonb 16:2\xt*\x*de san senkant mesye ki te ofri lansan yo. \p \v 36 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 37 “Di a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, ke li va ranmase veso lansan yo nan mitan dife a, paske yo sen. Epi nou va gaye sann dife k ap brile lwen kan an, paske yo sen. \v 38 Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, \x + \xo 16:38 \xo*\xt Éz 14:8 \xt*\x*yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.” \p \v 39 Éléazar, prèt la, te pran veso lansan ki te fèt an bwonz ke mesye ki te brile yo te ofri, epi yo te bat yo pou fè yo plat pou kouvri lotèl la, \v 40 kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou \x + \xo 16:40 \xo*\xt Nonb 1:51 \xt*\x*pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la. \p \v 41 Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te \x + \xo 16:41 \xo*\xt Nonb 16:31 \xt*\x*bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.” \p \v 42 Lè kongregasyon an te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron, yo te gade vè tant asanble a, e vwala, nwaj la te kouvri li e glwa SENYÈ a te parèt. \v 43 Alò, Moïse avèk Aaron te vini devan tant asanble a. \v 44 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 45 “Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.” \p Yo te tonbe sou figi yo. \x + \xo 16:45 \xo*\xt Nonb 16:21-24 \xt*\x* \v 46 Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou \x + \xo 16:46 \xo*\xt És 6:6-7 \xt*\x*fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!” \p \v 47 Alò Aaron te pran li jan Moïse te pale a. Li te kouri nan mitan asanble a, paske, gade byen, gwo epidemi an te kòmanse pami pèp la. \x + \xo 16:47 \xo*\xt Nonb 25:6-13 \xt*\x*Konsa li te mete lansan an pou fè ekspiyasyon pou pèp la. \v 48 Li te kanpe antre mò yo ak moun vivan, e gwo epidemi an te rete. \v 49 \x + \xo 16:49 \xo*\xt Nonb 25:9 \xt*\x*Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo. \p \v 50 Alò, Aaron te retounen vè Moïse nan pòtay tant asanble a, paske gwo epidemi an te vin rete. \c 17 \p \v 1 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo. \v 3 Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo. \v 4 Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach \x + \xo 17:4 \xo*\xt Egz 25:16-22 \xt*\x*temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an. \p \v 5 “Li va vin rive ke branch \x + \xo 17:5 \xo*\xt Nonb 16:5 \xt*\x*moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.” \p \v 6 Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo. \v 7 Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a \x + \xo 17:7 \xo*\xt Nonb 1:50-53 \xt*\x*nan tant asanble a. \p \v 8 Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, \x + \xo 17:8 \xo*\xt Éz 17:24 \xt*\x*branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi. \v 9 Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l. \p \v 10 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a \x + \xo 17:10 \xo*\xt Nonb 17:4 \xt*\x*devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont \x + \xo 17:10 \xo*\xt Det 9:7-24\xt*\x*rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.” \p \v 11 Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè. \p \v 12 Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: \x + \xo 17:12 \xo*\xt És 6:5 \xt*\x* “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri! \v 13 \x + \xo 17:13 \xo*\xt Nonb 1:51 \xt*\x*Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?” \c 18 \p \v 1 Konsa, SENYÈ a te di a Aaron: “Ou menm avèk fis ou yo avèk lakay zansèt ou va \x + \xo 18:1 \xo*\xt Egz 28:38 \xt*\x*pote inikite la pou zafè sanktyè a, e nou menm avèk fis nou yo va pote inikite la kon prèt. \v 2 Mennen avè w osi frè nou yo, tribi Levi a, tribi papa zansèt ou a, pou yo kapab vin \x + \xo 18:2 \xo*\xt Nonb 3:5-10 \xt*\x*jwenn avèk ou e sèvi ou, pandan ou menm avèk fis ou yo devan tant temwayaj la. \v 3 Yo va kenbe lòd ou avèk devwa tout asanble a, men\x + \xo 18:3 \xo*\xt Nonb 4:15-20 \xt*\x* yo p ap pwoche veso sanktyè yo avèk lotèl la, pou yo pa mouri; ni yo, ni ou menm. \v 4 Yo va vin jwenn avèk ou, e fè devwa a tant asanble a pou tout sèvis tant lan. Men yon etranje pa pou pwoche prè nou. \p \v 5 “Konsa nou va fè tout \x + \xo 18:5 \xo*\xt Egz 27:21 \xt*\x*devwa a sanktyè a ak devwa a lotèl la, pou pa toujou gen kòlè sou fis Israël yo. \v 6 Veye byen, se Mwen Menm ki \x + \xo 18:6 \xo*\xt Nonb 3:12 \xt*\x*te pran Levit parèy nou yo pami fis Israël yo. Yo se yon \x + \xo 18:6 \xo*\xt Nonb 3:9\xt*\x*don pou nou menm, ki dedye bay SENYÈ a, pou fè sèvis tant asanble a. \v 7 Men ou menm ak fis ou yo ap ranpli pozisyon prèt pou tout bagsay ki konsène otèl la, ak andedann vwal la. Ou va fè sèvis yo. Mwen ap bay ou pozisyon prèt kon yon pozisyon donnen. Men okenn lòt ki pwoche va mete a lanmò.” \p \v 8 Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron: “Gade byen, se Mwen Menm ki te bay ou chaj sou tout \x + \xo 18:8 \xo*\xt Lev 5:16-18 \xt*\x*ofrann Mwen yo, menm tout don sen a fis Israël yo. Mwen te bay ou yo akoz onksyon an nou resevwa, e a fis ou yo kòm yon dwa ki pou tout tan. \v 9 Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann \x + \xo 18:9 \xo*\xt Lev 6:30\xt*\x*peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo. \v 10 Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm. \p \v 11 “Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te \x + \xo 18:11 \xo*\xt Lev 22:1-16 \xt*\x*bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo. \p \v 12 \x + \xo 18:12 \xo*\xt Sòm 81:16 \xt*\x*“Tout sa ki pi bon nan lwil fre a, tout sa ki pi bon nan diven fre a ak nan sereyal la, premye fwi a sila ke yo bay a SENYÈ a, Mwen bannou yo. \v 13 \x + \xo 18:13 \xo*\xt Egz 22:29 \xt*\x*Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li. \p \v 14 \x + \xo 18:14 \xo*\xt Lev 27:1-33 \xt*\x*“Tout bagay ki konsakre an Israël va pou ou. \v 15 \x + \xo 18:15 \xo*\xt Egz 13:13-15 \xt*\x*Tout premye pòtre nan vant a tout chè, kit se lòm, kit se bèt, ke yo ofri bay SENYÈ a, va pou nou. Men premye ne a lòm nan, nou va anverite peye ranson, e premye ne bèt ki pa pwòp, nou va peye ranson. \v 16 Epi pou pri ranson an, soti nan laj yon mwa, nou va peye ranson yo, selon pri nou yo, senk sik an ajan, selon sik sanktyè a, ki se ven gera. \p \v 17 “Men \x + \xo 18:17 \xo*\xt Det 15:19 \xt*\x*premye ne a yon bèf oswa yon mouton, oswa premye ne a yon kabrit, ou pa pou peye ranson. Yo sen. \x + \xo 18:17 \xo*\xt Lev 3:2\xt*\x*Ou va flite san pa yo sou lotèl la, e ou va ofri grès yo nan lafimen kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. \v 18 Vyann pa yo va pou ou. Li va pou ou tankou \x + \xo 18:18 \xo*\xt Lev 7:31 \xt*\x* pwatrin ak kwis nan yon ofrann balanse anlè. \v 19 Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se \x + \xo 18:19 \xo*\xt II Kwo 13:5 \xt*\x*yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.” \p \v 20 SENYÈ a te di a Aaron: “Ou p ap gen okenn eritaj nan peyi a ni posesyon okenn pati pami yo. \x + \xo 18:20 \xo*\xt Jos 13:33 \xt*\x*Mwen se pati pa ou ak eritaj ou pami fis Israël yo. \p \v 21 “A fis Levi yo, gade byen, Mwen te bay tout \x + \xo 18:21 \xo*\xt Lev 27:30-33 \xt*\x*dim an Israël yo kòm eritaj, anretou pou sèvis yo ke yo fè, sèvis a tant asanble a. \v 22 Fis a Israël \x + \xo 18:22 \xo*\xt Nonb 1:51 \xt*\x*pa pou pwoche tant asanble a ankò; sinon, yo va pote peche e yo va mouri. \v 23 Sèl Levit yo va fè sèvis tant asanble a. Yo va \x + \xo 18:23 \xo*\xt Nonb 18:1 \xt*\x*pote inikite pa yo. Sa va yon règleman pou tout tan atravè jenerasyon nou yo. Pami fis Israël yo, yo p ap gen okenn eritaj. \v 24 Paske dim a fis Israël yo, ke yo ofri kòm yon ofrann bay SENYÈ a, \x + \xo 18:24 \xo*\xt Det 10:9 \xt*\x*Mwen te bay a Levit yo kòm eritaj. Konsa, Mwen te di konsènan yo: ‘Yo p ap gen okenn eritaj pami fis Israël yo.’” \p \v 25 SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 26 “Anplis, ou va pale avèk Levit yo pou di yo: ‘Lè nou pran soti nan fis Israël yo, dim ke Mwen te bay a nou menm pou eritaj nou, alò nou va prezante yon ofrann ki sòti nan li bay SENYÈ a, \x + \xo 18:26 \xo*\xt Né 10:38 \xt*\x*yon dim nan dim nan. \v 27 Ofrann nou va konte pou nou kòm sila ki sòti nan voye anlè glasi a, oswa pwodwi ki nan basen diven an. \v 28 Konsa, nou va, osi, prezante yon ofrann bay SENYÈ a, ki soti nan dim nou yo, ke nou resevwa de fis Israël yo. Epi soti nan li, nou va bay ofrann SENYÈ a a Aaron, prèt la. \v 29 Nan tout don nou yo, nou va prezante tout ofrann ke nou dwe bay a SENYÈ a, soti nan tout sa ki pi bon nan yo, pati ki sakre nan yo.’ \p \v 30 “Ou va di yo: ‘Lè nou ofri meyè pati a, li va kalkile a Levit yo kòm pwodwi a ofrann voye anlè glasi a, oswa pwodwi a basen diven an. \v 31 Nou gen dwa manje l nenpòt kote, nou menm avèk lakay nou, paske se pèyman nou an echanj pou sèvis nou nan tant asanble a. \v 32 Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou \x + \xo 18:32 \xo*\xt Lev 22:15-16 \xt*\x*degrade bagay sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’” \c 19 \p \v 1 Senyè a te pale ak Moïse avèk Aaron e te di: \v 2 “Sa se règleman lalwa ke SENYÈ a te kòmande a. Li te di: ‘Pale a fis Israël yo pou yo pote ba ou yon gazèl wouj, \x + \xo 19:2 \xo*\xt Lev 22:20-25 \xt*\x* san defo, sou sila yon jouk pa t janm vin poze. \v 3 Nou va bay li a Éléazar, prèt la, li \x + \xo 19:3 \xo*\xt Lev 4:11-21 \xt*\x*va pote li deyò kan an, e touye li nan prezans li. \v 4 Apre, Éléazar, prèt la, va pran kèk nan san li avèk dwèt li, e \x + \xo 19:4 \xo*\xt Lev 4:6-17 \xt*\x*flite kèk nan san li an pa devan tant asanble a sèt fwa. \v 5 Alò, gazèl la va brile devan zye li; po li, chè li avèk san li, avèk poupou li, va brile. \v 6 Prèt la va pran bwa \x + \xo 19:6 \xo*\xt Lev 14:4 \xt*\x*sèd avèk izòp ak twal wouj, e li va jete li nan mitan gazèl k ap brile a. \v 7 Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an. \v 8 Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 9 “‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan \x + \xo 19:9 \xo*\xt Nonb 8:7 \xt*\x*dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche. \v 10 Sila ki ranmase sann gazèl la \x + \xo 19:10 \xo*\xt Nonb 19:7 \xt*\x*va lave rad li, e li va rete pa pwòp pou jis rive nan aswè. Li va yon règleman ki pou tout tan pou fis Israël yo ak pou etranje ki rete pami yo a. \p \v 11 \x + \xo 19:11 \xo*\xt Lev 21:1-11 \xt*\x* “‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou. \v 12 Li dwe \x + \xo 19:12 \xo*\xt Nonb 19:19 \xt*\x*pirifye tèt li avèk dlo nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Apre, li va pwòp. Men si li pa pirifye tèt li nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a, li p ap vin pwòp. \v 13 \x + \xo 19:13 \xo*\xt Lev 7:21 \xt*\x*Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li. \p \v 14 “‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou. \v 15 Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp. \p \v 16 \x + \xo 19:16 \xo*\xt Nonb 31:19 \xt*\x*“‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou. \p \v 17 “‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann \x + \xo 19:17 \xo*\xt Nonb 19:9 \xt*\x*pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso. \v 18 Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye, oswa sa ki te mouri yon lòt jan, oswa yon tonm. \v 19 Alò, moun pwòp la \x + \xo 19:19 \xo*\xt Egz 36:25 \xt*\x*va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè. \v 20 Men sila ki pa pwòp la, ki pa pirifye tèt li a, li va koupe retire nan mitan asanble a, akoz li te \x + \xo 19:20 \xo*\xt Nonb 19:13 \xt*\x*degrade sanktyè SENYÈ a. Dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, e li pa pwòp. \p \v 21 “‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila \x + \xo 19:21 \xo*\xt Nonb 19:7 \xt*\x*ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \v 22 \x + \xo 19:22 \xo*\xt Lev 5:2-3 \xt*\x*Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’” \c 20 \p \v 1 Konsa, fis Israël yo, tout kongregasyon an, te vini nan \x + \xo 20:1 \xo*\xt Nonb 13:21 \xt*\x*dezè a Tsin nan, nan premye mwa a. Pèp la te rete Kadès. Alò, Marie te mouri e li te antere la. \p \v 2 \x + \xo 20:2 \xo*\xt Egz 17:1 \xt*\x*Pa t gen dlo pou kongregasyon an, \x + \xo 20:2 \xo*\xt Nonb 16:19-42\xt*\x*e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron. \v 3 Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: \x + \xo 20:3 \xo*\xt Nonb 14:2-3 \xt*\x*“Si sèlman nou te mouri \x + \xo 20:3 \xo*\xt Nonb 16:31-35\xt*\x*lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a! \v 4 \x + \xo 20:4 \xo*\xt Egz 17:3 \xt*\x*Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la? \v 5 Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.” \p \v 6 Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te \x + \xo 20:6 \xo*\xt Nonb 14:5 \xt*\x*tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm. \v 7 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 8 “Pran \x + \xo 20:8 \xo*\xt Egz 4:17-20 \xt*\x*baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.” \p \v 9 Konsa, Moïse te pran baton an \x + \xo 20:9 \xo*\xt Nonb 17:10 \xt*\x*soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a. \v 10 Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: \x + \xo 20:10 \xo*\xt Sòm 106:33 \xt*\x*“Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?” \v 11 Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. \x + \xo 20:11 \xo*\xt Sòm 78:16 \xt*\x*Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè. \p \v 12 Men SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: \x + \xo 20:12 \xo*\xt Nonb 20:24 \xt*\x*“Akoz ke nou pa kwè M, pou trete m tankou sen devan fis Israël yo; pou sa, nou p ap mennen asanble sila a antre nan peyi ke M te bay yo a.” \p \v 13 Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo. \p \v 14 Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè \x + \xo 20:14 \xo*\xt Jen 36:31-39 \xt*\x*wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou \x + \xo 20:14 \xo*\xt Jos 9:9-24\xt*\x*konnen tout traka ki gen tan pran nou; \v 15 ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil. \v 16 Men \x + \xo 20:16 \xo*\xt Egz 2:23 \xt*\x*lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè teritwa pa nou an. \v 17 “Souple, \x + \xo 20:17 \xo*\xt Nonb 21:22 \xt*\x*kite nou pase nan peyi pa nou an. Nou p ap pase nan chan yo oswa nan rezen yo. Nou p ap menm bwè dlo nan yon pwi. Nou va ale bò kote chemen wa a, san vire ni adwat, ni agoch jiskaske nou fin pase nan tout teritwa nou an.” \p \v 18 \x + \xo 20:18 \xo*\xt Nonb 24:18 \xt*\x*“‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’” \p \v 19 “Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk \x + \xo 20:19 \xo*\xt Egz 12:38 \xt*\x*bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; \x + \xo 20:19 \xo*\xt Det 2:6-28\xt*\x*alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’” \v 20 Men li te di: \x + \xo 20:20 \xo*\xt Jij 11:17 \xt*\x*“Ou p ap pase ladann.” Epi Édom te sòti kont li avèk yon gwo fòs ak yon men pwisan. \v 21 \x + \xo 20:21 \xo*\xt Jij 11:17 \xt*\x*Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan teritwa pa li a. \x + \xo 20:21 \xo*\xt Det 2:8\xt*\x*Pou sa Israël te vire kite li. \p \v 22 Alò, yo te sòti \x + \xo 20:22 \xo*\xt Nonb 20:1-14 \xt*\x*Kadès, epi fis Israël yo ak tout kongregasyon an te vini nan Mòn Hor. \p \v 23 SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron nan \x + \xo 20:23 \xo*\xt Nonb 33:37 \xt*\x*Mòn Hor akote fwontyè Édom an. Li te di: \v 24 “Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te \x + \xo 20:24 \xo*\xt Nonb 20:5-10 \xt*\x*vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo. \v 25 Pran Aaron avèk fis li a, \x + \xo 20:25 \xo*\xt Nonb 3:4 \xt*\x*Éléazar e mennen yo nan Mòn Hor. \v 26 Retire tout vètman yo sou Aaron e \x + \xo 20:26 \xo*\xt Nonb 20:24 \xt*\x*mete yo sou fis li a, Éléazar. Konsa, Aaron va rasanble vè pèp li a, e li va mouri la.” \p \v 27 Konsa Moïse te fè selon SENYÈ a te kòmande a. Yo te monte vè Mòn Hor devan zye a tout kongregasyon an. \v 28 Lè Moïse te fin retire vètman yo sou Aaron, li te \x + \xo 20:28 \xo*\xt Egz 29:29 \xt*\x*mete yo sou Éléazar. Aaron te mouri la sou tèt mòn nan. \v 29 Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trant\x + \xo 20:29 \xo*\xt Jen 50:3-10 \xt*\x*jou. \c 21 \p \v 1 Lè Chèf Canaran an, wa \x + \xo 21:1 \xo*\xt Jos 12:14 \xt*\x*Arad la, ki te viv nan Negev la te tande ke Israël t ap vini pa chemen a Atharim nan; alò, li te goumen kont Israël, e li te pran kèk nan yo an kaptif. \v 2 Konsa, Israël te fè yon ve a SENYÈ a, e te di: \x + \xo 21:2 \xo*\xt Jen 28:20 \xt*\x* “Si Ou va vrèman livre pèp sa a nan men m; alò, mwen va detwi vil pa yo a nèt.” \v 3 SENYÈ a te tande vwa Israël. Li te livre yo bay Canaran, epi yo te detwi yo nèt ansanm avèk vil yo. Konsa, kote sa a te vin rele\x + \xo 21:3 \xo*\xt Nonb 14:45 \xt*\x*Horma. \p \v 4 Yo te sòti nan Mòn Hor pa wout Lamè Wouj la, \x + \xo 21:4 \xo*\xt Det 2:8 \xt*\x*pou travèse peyi Édom an. Epi pèp la te vin pèdi pasyans akoz vwayaj la. \v 5 Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: \x + \xo 21:5 \xo*\xt Nonb 14:2-3 \xt*\x* “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e \x + \xo 21:5 \xo*\xt Nonb 11:6\xt*\x*nou rayi move manje sila a.” \p \v 6 \x + \xo 21:6 \xo*\xt Det 8:15 \xt*\x*SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e \x + \xo 21:6 \xo*\xt I Kor 10:9\xt*\x*anpil nan pèp Israël la te mouri. \v 7 Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. \x + \xo 21:7 \xo*\xt I Sam 12:19 \xt*\x*Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la. \p \v 8 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Fè yon \x + \xo 21:8 \xo*\xt És 14:9 \xt*\x* sèpan dife e mete li sou yon poto. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki mòde, lè li gade li, l ap viv.” \v 9 Moïse te fè yon sèpan an \x + \xo 21:9 \xo*\xt II Wa 18:4 \xt*\x*bwonz e li te mete li sou poto a. Epi li te vin rive ke si yon sèpan te mòde nenpòt moun, lè li te gade vè sèpan an bwonz lan, li te viv. \p \v 10 Alò, fis Israël yo te deplase e te fè kan an nan Oboth. \v 11 Yo te vwayaje soti Oboth pou te fè kan an nan Ijje-Abarim, nan dezè ki anfas Moab a lès la. \v 12 \x + \xo 21:12 \xo*\xt Nonb 33:45 \xt*\x*Soti la, yo te pati pou te fè kan an nan vale Zéred la. \v 13 Soti la, yo te vwayaje pou te fè kan an sou lòt kote Arnon an, ki se nan dezè ki sòti nan lizyè Amoreyen yo, \x + \xo 21:13 \xo*\xt Nonb 22:36 \xt*\x*paske Arnon se te fwontyè Moab, antre Moab ak Amoreyen yo. \p \v 14 Konsa, sa di nan Liv Lagè SENYÈ a: “Vaheb nan Supha, avèk ravin sèch nan Arnon an, \v 15 ak pant ki rive nan ravin sèch yo ki rive jis nan kote \x + \xo 21:15 \xo*\xt Nonb 21:28 \xt*\x*Ar la e ki touche nan lizyè Moab la.” \v 16 \x + \xo 21:16 \xo*\xt Nonb 33:46-49 \xt*\x*Soti la, yo rive jis nan Beer, ki se pwi kote SENYÈ a te di Moïse, reyini pèp la pou Mwen kapab bay yo dlo a.” \p \v 17 \x + \xo 21:17 \xo*\xt Egz 15:1 \xt*\x*Epi Israël te chante chan sila a: \p “Vin bwote o pwi! Chante a li! \q1 \v 18 Pwi a ke prens yo nan pèp la te fouye, \q1 Avèk baton wayal ak Baton soutyen pa yo.” \p Epi soti nan dezè a, yo te kontinye a Matthana, \v 19 soti Matthana a Nahaliel, soti nan Nahaliel a Bamoth, \v 20 soti Bamoth nan vale ki nan peyi Moab la, nan pwent lan vè Mòn Pisga ki kanpe anwo tout dezè a. \p \v 21 Alò Israël te voye mesaje yo bay Sihon, wa a Amoreyen yo. Li te di: \v 22 \x + \xo 21:22 \xo*\xt Nonb 20:16-17 \xt*\x*“Kite mwen pase nan peyi ou a. Nou p ap menm vire nan chan, oswa nan rezen yo. Nou p ap bwè dlo nan pwi yo. Nou va ale nan chemen Wa a jiskaske nou fin depase limit fwontyè pa w la.” \p \v 23 \x + \xo 21:23 \xo*\xt Nonb 20:21 \xt*\x*Men Sihon pa t kite Israël pase nan fwontyè pa li a. Konsa, Sihon te ranmase tout pèp li a pou te sòti kont Israël nan dezè a. Yo te rive a \x + \xo 21:23 \xo*\xt Det 2:32\xt*\x*Jahats pou te goumen kont Israël. \p \v 24 Konsa,\x + \xo 21:24 \xo*\xt Am 2:9 \xt*\x*Israël te frape li avèk tranch nepe, e te pran posesyon peyi li a soti Arnon pou jis rive Jabbok, soti distans a fis Ammon yo; paske nan \x + \xo 21:24 \xo*\xt Det 2:37\xt*\x*fwontyè a fis Ammon yo, se te Jazer. \v 25 Israël te pran tout vil yo e \x + \xo 21:25 \xo*\xt Am 2:10 \xt*\x*Israël te viv nan tout vil Amoreyen yo, nan Hesbon ak nan tout vil li yo. \v 26 Paske Hesbon, se te vil a Sihon, wa a Amoreyen yo, ki te goumen kont ansyen wa Moab la, e li te retire tout peyi li a nan men li, jis rive nan Arnon. \p \v 27 Se pou sa ke sila ki sèvi ak pwovèb yo di: \q1 “Vini Hesbon! Kite li bati! \q1 Konsa kite vil a Sihon an fin etabli. \q1 \v 28 \x + \xo 21:28 \xo*\xt Jr 48:45 \xt*\x*Paske yon dife te sòti nan Hesbon, \q1 Yon flanm soti nan vil a Sihon; \q1 Li te devore \x + \xo 21:28 \xo*\xt Nonb 21:15\xt*\x*Ar nan Moab, \q1 Pwent wo yo domine Arnon \q1 \v 29 Malè a nou menm, O Moab! \q1 Nou gen tan fin gate nèt, O pèp Kemosch la! \q1 \x + \xo 21:29 \xo*\xt És 15:5 \xt*\x*Li te bay fis li yo kòm sila k ap sove ale, \q1 \x + \xo 21:29 \xo*\xt És 16:2\xt*\x*Epi fi li yo kòm kaptif, pou yon wa Amoreyen, Sihon. \q1 \v 30 Nou te tire sou yo. Hesbon fin gate jis rive \x + \xo 21:30 \xo*\xt Nonb 32:3-34 \xt*\x*Dibon. \q1 Konsa, nou te fin piyaje jis rive Nophach, \q1 Ki rive nèt nan Médaba.” \b \p \v 31 Pou sa a, Israël te viv nan peyi Amoreyen yo. \p \v 32 Moïse te voye espyone \x + \xo 21:32 \xo*\xt Nonb 32:1-35 \xt*\x*Jaezer. Yo te kaptire vil li yo e te piyaje Amoreyen ki te la yo. \v 33 \x + \xo 21:33 \xo*\xt Det 3:1-7 \xt*\x*Epi yo te vire monte nan wout Basan, e Og, wa Basan an, te sòti avèk tout pèp li a pou fè bati \x + \xo 21:33 \xo*\xt Jos 13:12\xt*\x*Édréï. \p \v 34 Men SENYÈ a te di a Moïse: \x + \xo 21:34 \xo*\xt Det 3:2 \xt*\x*“Pa pè li, paske Mwen te bay li nan men nou, tout pèp li a ak tout peyi li a. Ou va fè avèk li jan ou te fè Sihon, wa Amoreyen, ki te viv Hesbon yo.” \p \v 35 Konsa, \x + \xo 21:35 \xo*\xt Det 3:3-4\xt*\x*yo te touye li avèk fis li yo ak tout pèp li a, jis pa t menm gen yon retay ki te rete de li. Konsa, yo te posede peyi li a. \c 22 \p \v 1 \x + \xo 22:1 \xo*\xt Nonb 33:48-49 \xt*\x*Fis a Israël yo te vwayaje pou te fè kan an nan plèn Moab yo, fin kite Jourdain an, anfas Jéricho. \p \v 2 Alò \x + \xo 22:2 \xo*\xt Jij 11:25 \xt*\x*Balak, fis Tsippor te wè tout sa ke Israël te fè a Amoreyen yo. \v 3 \x + \xo 22:3 \xo*\xt Egz 15:15 \xt*\x*Konsa, Moab te nan gran perèz akoz pèp la, pwiske yo te anpil; Moab te sezi avèk gwo laperèz akoz fis Israël yo. \p \v 4 Moab te di a ansyen yo a \x + \xo 22:4 \xo*\xt Nonb 25:15-18 \xt*\x*Madian: “Alò, bann moun sa yo va devore tout sa ki antoure nou, jan yon bèf devore zèb nan chan.” \p Balak, fis a Tsippor a te wa Moab nan tan sa a. \v 5 Konsa, li te voye yon mesaje vè \x + \xo 22:5 \xo*\xt Jd 11 \xt*\x*Balaam, fis a Beor a nan \x + \xo 22:5 \xo*\xt Det 23:4\xt*\x*Pethor, ki toupre Rivyè a, nan peyi a fis pèp li a. Li te di: “Gade byen, yon pèp te sòti an Égypte. Gade byen, yo kouvri sifas peyi a, e y ap viv anfas mwen. \v 6 \x + \xo 22:6 \xo*\xt Nonb 22:17 \xt*\x*Alò, pou sa, silvouplè, vin mete yon madichon sou pèp sa a pou mwen; paske, yo twò pwisan pou mwen. Petèt mwen kapab fin bat yo, e pouse yo ale deyò peyi a. Paske mwen konnen ke sila ke ou beni an, beni, e sila ke ou modi a, modi.” \v 7 Konsa, ansyen a Moab yo avèk ansyen a Madian yo te pati avèk frè pou peye \x + \xo 22:7 \xo*\xt Nonb 23:23 \xt*\x*divinasyon nan men yo. Yo te vin kote Balaam pou te repete pawòl a Balak yo pou li. \p \v 8 Li te di yo: “Pase nwit lan isit la, e mwen va pote yon pawòl bannou jan SENYÈ a kab petèt pale avè m.” Epi dirijan Moab yo te rete avèk Balaam. \p \v 9 Epi \x + \xo 22:9 \xo*\xt Jen 20:3 \xt*\x*Bondye te vini a Balaam, e Li te di: “Ki moun sa yo ye ki avèk ou la a?” \p \v 10 Balaam te di a Bondye: “Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la te voye yon pawòl ban mwen. \v 11 ‘Gade byen, gen yon pèp ki sòti an Égypte, yo kouvri sifas peyi a. Alò, vin modi yo pou mwen. Petèt mwen kapab goumen kont yo, e pouse yo deyò.’” \p \v 12 Bondye te di a Balaam: “Pa ale avèk yo. \x + \xo 22:12 \xo*\xt Nonb 23:8 \xt*\x*Ou p ap modi pèp la, paske yo beni.” \p \v 13 Konsa, Balaam te leve nan maten e li te di a chèf Balak yo: “Ale retounen nan peyi nou, paske SENYÈ a refize kite mwen ale avèk nou.” \p \v 14 Chèf a Moab yo te leve. Yo te ale kote Balak e te di: “Balaam refize vini avèk nou.” \p \v 15 Alò, Balak te voye chèf yo ankò, plis an kantite e pi gran pase lòt yo. \v 16 Yo te vini a Balaam e te di li: “Konsa pale Balak, fis a Tsippor a: ‘Pa kite anyen, mwen mande ou souple, anpeche ou vini kote mwen; \v 17 paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. \x + \xo 22:17 \xo*\xt Nonb 22:6 \xt*\x*Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’” \p \v 18 Balaam te reponn a sèvitè a Balak yo, \x + \xo 22:18 \xo*\xt I Wa 22:14 \xt*\x*“Malgre Balak ta ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, mwen pa ta kapab fè anyen, ni piti ni gran, ki kontrè kòmand SENYÈ a, Bondye mwen an. \v 19 Alò, silvouplè, rete isit la aswè a pou m ka twouve ki lòt bagay SENYÈ a va pale mwen.” \p \v 20 Bondye te vin kote Balaam nan aswè. Li te di li: “Si mesye sa yo ta vin rele ou, leve ale avèk yo; men \x + \xo 22:20 \xo*\xt Nonb 22:35 \xt*\x*se sèlman pawòl ke M pale avèk ou a ke ou va fè.” \p \v 21 \x + \xo 22:21 \xo*\xt II Pi 2:15 \xt*\x*Konsa, Balaam te leve nan maten. Li te mete yon sèl sou bourik li pou te ale avèk chèf Moab yo. \v 22 Men Bondye te fache akoz li t ap ale a. \x + \xo 22:22 \xo*\xt Egz 23:20 \xt*\x*Konsa, zanj SENYÈ a te vin kanpe nan chemen an kòm yon advèsè kont li. Alò, li te monte sou bourik li, e de sèvitè li yo te avèk li. \v 23 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe li parèt nan men l, bourik la te kite chemen an pou te antre nan chan an. Men Balaam te frape bourik la pou fè l retounen nan chemen an. \p \v 24 Alò, zanj SENYÈ a te kanpe nan yon wout etwat nan chan rezen yo, avèk yon miray sou yon bò, e yon miray sou lòt bò a. \v 25 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te peze kò l kont mi an, e li te peze pye Balaam kont lòt mi an. Konsa, Balaam te frape li ankò. \p \v 26 Zanj SENYÈ a te ale pi lwen. Li te kanpe nan yon kote etwat kote pa t gen mwayen pou vire ni adwat, ni agoch. \v 27 Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a, li te kouche anba Balaam. Pou sa, \x + \xo 22:27 \xo*\xt Jc 1:19 \xt*\x*Balaam te fache e li te frape bourik la avèk baton li. \v 28 Konsa, \x + \xo 22:28 \xo*\xt II Pi 2:16 \xt*\x*SENYÈ a te ouvri bouch a femèl bourik la, e li te di a Balaam: “Kisa m te fè ou, pou ou bat mwen twa fwa sa yo?” \p \v 29 Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, \x + \xo 22:29 \xo*\xt Pwov 12:10 \xt*\x* Mwen ta gen tan touye ou deja.” \p \v 30 Bourik la te di Balaam: “Èske mwen pa bourik ou, sou sila ou te monte pandan tout vi ou jis rive Jodi a? Èske Mwen janm te konn abitye fè ou sa?” Epi li te reponn: “Non”. \p \v 31 Alò, SENYÈ a te ouvri zye a Balaam. Konsa, li te wè \x + \xo 22:31 \xo*\xt Jos 5:13-15 \xt*\x*zanj a SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe a rale nan men li. Balaam te bese jiska tè. \p \v 32 Zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te \x + \xo 22:32 \xo*\xt II Pi 2:15 \xt*\x*kont Mwen. \v 33 Men bourik la te wè M, e li te vire akote pou evite Mwen twa fwa sa yo. Si li pa t vire akote Mwen, Mwen ta, vrèman, gen tan touye ou nan moman sa a, e kite li menm viv.” \p \v 34 Balaam te di a zanj SENYÈ a: \x + \xo 22:34 \xo*\xt Nonb 14:40\xt*\x*“Mwen te peche, paske mwen pa t konnen ke ou te kanpe nan chemen an kont mwen. Alò, koulye a, si sa pa fè ou plezi, mwen va vire retounen.” \p \v 35 Men zanj SENYÈ a te di a Balaam: “Ale avèk mesye sa yo, men \x + \xo 22:35 \xo*\xt Nonb 22:20\xt*\x*ou va pale, sèlman, pawòl ke Mwen di ou yo.” Konsa Balaam te ale avèk chèf Balak yo. \p \v 36 Lè Balak te tande ke Balaam t ap vini, li te sòti pou rankontre li nan vil Moab la, ki nan fwontyè Arnon an, nan dènye pwent lizyè a. \v 37 Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?” \p \v 38 Konsa, Balaam te di a Balak: “Gade byen, Mwen gen tan vini koulye a! Èske mwen kapab pale yon bagay menm? Pawòl ke Bondye mete nan bouch mwen an, se sa ke mwen va pale.” \p \v 39 Epi Balaam te sòti avèk Balak e yo te vini Kirjath-Hutsoth, \v 40 Balak te fè sakrifis bèf avèk mouton, e li te voye kèk bay Balaam avèk chèf ki te avèk li yo. \v 41 Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan \x + \xo 22:41 \xo*\xt Nonb 21:28\xt*\x*wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, \x + \xo 22:41 \xo*\xt Nonb 23:13\xt*\x*yon pati nan pèp Israël yo. \c 23 \p \v 1 Alò, Balaam te di a Balak: “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la.” \v 2 Balak te fè ojis sa ke Balaam te pale a. Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl. \p \v 3 Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li. \p \v 4 Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: “Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.” \p \v 5 Konsa, SENYÈ a te \x + \xo 23:5 \xo*\xt Det 18:18\xt*\x*mete yon pawòl nan bouch Balaam. Li te di: “Retounen kote Balak. Ou va pale konsa.” \p \v 6 Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo. \v 7 Balaam te pran diskou li, e te di: \q1 “Depi nan \x + \xo 23:7 \xo*\xt Nonb 22:12\xt*\x*Aram, Balak te mennen m, \q1 wa Moab ki soti nan mòn Lès yo. \q1 ‘Vin modi Jacob pou mwen. \q1 Vin denonse Israël!’ \q1 \v 8 \x + \xo 23:8 \xo*\xt Nonb 22:12\xt*\x*Kijan mwen kapab modi, \q1 lè Bondye pa t modi? \q1 Epi kijan mwen kapab denonse \q1 sila ke SENYÈ a pa t denonse? \q1 \v 9 “Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo, \q1 e mwen gade li depi sou kolin yo. \q1 \x + \xo 23:9 \xo*\xt Det 32:8\xt*\x*Gade byen, yon pèp ki rete apa, \q1 ki p ap kab konte pami nasyon yo. \q1 \v 10 \x + \xo 23:10 \xo*\xt Jen 13:16\xt*\x*Kilès ki kab konte pousyè a Jacob, \q1 oswa konte menm yon ka an Israël? \q1 Kite mwen mouri lanmò a jis yo, \q1 pou lafen pa mwen an tankou pa li.” \b \p \v 11 Konsa, Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? \x + \xo 23:11 \xo*\xt Né 13:2\xt*\x*Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!” \p \v 12 Li te reponn: “Èske mwen pa oblije fè atansyon pou pale \x + \xo 23:12 \xo*\xt Nonb 22:20\xt*\x*sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?” \p \v 13 Alò Balak te di li: “Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka wè yo. Malgre w ap wè sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap wè tout a yo. Modi yo pou mwen depi la.” \v 14 Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl. \p \v 15 Konsa, li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.” \p \v 16 Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam e Li \x + \xo 23:16 \xo*\xt Nonb 22:20\xt*\x*te mete yon pawòl nan bouch li. Li te di li: “Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale.” \p \v 17 Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Konsa, Balak te di li: “Kisa SENYÈ a te pale a?” \p \v 18 Alò, li te pran diskou li. Li te di: \b \q1 “Leve ou menm, O Balak, pou tande! \q1 Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor! \q1 \v 19 \x + \xo 23:19 \xo*\xt I Sam 15:29\xt*\x*Bondye se pa yon nonm ke li ye \q1 pou L ta bay manti, \q1 ni fis a yon nonm pou L ta repanti. \q1 Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè? \q1 \v 20 Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni. \q1 Lè se Li menm ki beni, \q1 alò, \x + \xo 23:20 \xo*\xt És 43:13\xt*\x*mwen p ap kab revoke sa. \q1 \v 21 Li pa t wè malè nan Jacob, \q1 ni Li pa t wè twoub nan Israël. \q1 \x + \xo 23:21 \xo*\xt Egz 3:12\xt*\x*SENYÈ a, Bondye li a avè l, \q1 epi gran vwa a yon wa pami yo. \q1 \v 22 \x + \xo 23:22 \xo*\xt Nonb 24:8\xt*\x*Bondye mennen yo sòti an Égypte. \q1 Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon. \q1 \v 23 \x + \xo 23:23 \xo*\xt Nonb 22:7\xt*\x*Paske, nanpwen wanga kont Jacob, \q1 ni pa gen divinasyon kont Israël. \q1 Nan tan etabli a, li va pale a Jacob, \q1 e a Israël de sa Bondye te fè a! \q1 \v 24 \x + \xo 23:24 \xo*\xt Jen 49:9\xt*\x*Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, \q1 tankou yon lyon li leve li menm. \q1 Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, \q1 pou l bwè san a sila li touye a.” \b \p \v 25 Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!” \p \v 26 Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, \x + \xo 23:26 \xo*\xt Nonb 22:18\xt*\x*‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?” \p \v 27 Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.” \v 28 Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a. \p \v 29 Balaam te di a Balak, “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la.” \v 30 Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl. \c 24 \p \v 1 Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè \x + \xo 24:1 \xo*\xt Nonb 23:28\xt*\x*dezè a. \v 2 Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi \x + \xo 24:2 \xo*\xt I Sam 19:20\xt*\x*Lespri Bondye te vini sou li. \p \v 3 Li te reprann diskou li e te di: \q1 \x + \xo 24:3 \xo*\xt Nonb 24:15-16\xt*\x*“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, \q1 Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a; \q1 \v 4 Pòt pawòl a sila ki \x + \xo 24:4 \xo*\xt Nonb 22:20\xt*\x*koute pawòl a Bondye yo, \q1 ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe, \q1 men zye li gen tan vin debouche. \q1 \v 5 Ala tant nou yo bèl, O Jacob, \q1 ak abitasyon nou yo, O Israël! \q1 \v 6 Tankou vale ki vin ouvri byen laj, \q1 tankou jaden ki bò kote rivyè yo, \q1 tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a, \q1 tankou bwa \x + \xo 24:6 \xo*\xt Sòm 45:8\xt*\x* sèd ki bò kote dlo yo. \q1 \v 7 Dlo yo va koule nan bokit li yo, \q1 e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo. \q1 Wa li a va pi wo pase \x + \xo 24:7 \xo*\xt I Sam 15:8\xt*\x*Agag, e wayòm li a va vin egzalte. \q1 \v 8 \x + \xo 24:8 \xo*\xt Nonb 23:22\xt*\x*Bondye mennen l sòti an Égypte. \q1 Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon. \q1 Li va devore nasyon ki advèsè li yo. \q1 Li va kraze zo yo an mòso, \q1 Li va kraze yo avèk flèch li yo. \q1 \v 9 Li koube ba, li kouche tankou yon lyon; \q1 tankou yon manma lyon. \q1 Se kilès ki kab tante deranje l? \q1 \x + \xo 24:9 \xo*\xt Jen 12:3\xt*\x*Beni se tout moun ki beni ou, \q1 e modi se tout moun ki modi ou.” \p \v 10 Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo! \v 11 Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.” \p \v 12 Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di \x + \xo 24:12 \xo*\xt Nonb 22:18\xt*\x*mesaje ke ou te voye kote mwen yo: \v 13 ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal \x + \xo 24:13 \xo*\xt Nonb 16:28\xt*\x*nan pwòp volonte pa m. \x + \xo 24:13 \xo*\xt Nonb 31:8-16\xt*\x*Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale? \v 14 Epi koulye a, veye byen, \x + \xo 24:14 \xo*\xt Nonb 31:8-16\xt*\x*mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va fè a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo.” \p \v 15 Li te reprann diskou li e te di: \q1 \x + \xo 24:15 \xo*\xt Nonb 24:3-4\xt*\x*“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a, \q1 e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di, \q1 \v 16 Li di ki tande pawòl Bondye yo, \q1 ki gen konesans a Trè Wo a, \q1 ki wè vizyon a Toupwisan an, \q1 k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri. \q1 \v 17 Mwen wè li, men pa koulye a. \q1 Mwen gade l, men pa toupre. \q1 Yon zetwal va sòti nan Jacob. \q1 \x + \xo 24:17 \xo*\xt Jen 49:10\xt*\x*Yon baton a wa va leve sòti an Israël. \q1 Li va kraze travèse fwon Moab la, \q1 e li va dechire tout fis a Seth yo. \q1 \v 18 \x + \xo 24:18 \xo*\xt Am 9:11-12\xt*\x*Édom va yon posesyon pou li. \q1 \x + \xo 24:18 \xo*\xt Jen 32:3\xt*\x*Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li, \q1 pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj. \q1 \v 19 Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa, \q1 li va detwi retay lavil la.” \b \p \v 20 Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di: \q1 “Amalec se te premye nan nasyon yo, \q1 \x + \xo 24:20 \xo*\xt Nonb 24:24 \xt*\x*men lafen li pi lwen se destriksyon.” \b \p \v 21 Epi li te gade \x + \xo 24:21 \xo*\xt Jen 15:9 \xt*\x*Kenizyen nan, li te reprann diskou li e li te di: \q1 “Kote ou rete a, gen andirans. \q1 Nich kote ou chita nan falèz la. \q1 \v 22 Malgre, Cain va gate nèt, \q1 jis lè \x + \xo 24:22 \xo*\xt Jen 10:21-22\xt*\x*Asiryen yo pote nou ale an kaptif?” \b \p \v 23 Epi li te vin reprann diskou li. Li te di: \q1 “Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a? \q1 \v 24 Men gwo bato yo va sòti nan kòt \x + \xo 24:24 \xo*\xt Éz 27:6\xt*\x*Kittim. \q1 Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije \x + \xo 24:24 \xo*\xt Jen 10:21\xt*\x*Éber. \q1 Men li menm tou va vin detwi.” \p \v 25 Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan \x + \xo 24:25 \xo*\xt Nonb 24:14\xt*\x* plas li, e Balak osi te al fè wout li. \c 25 \p \v 1 Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse \x + \xo 25:1 \xo*\xt I Kor 10:8\xt*\x*pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo. \v 2 Paske \x + \xo 25:2 \xo*\xt Egz 34:15\xt*\x*yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a. \v 3 Konsa, \x + \xo 25:3 \xo*\xt Sòm 106:28-29\xt*\x*Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël. \p \v 4 SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, \x + \xo 25:4 \xo*\xt Det 13:17\xt*\x*pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.” \p \v 5 Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va \x + \xo 25:5 \xo*\xt Egz 32:27\xt*\x*touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo mem avèk Baal Peor la.” \p \v 6 Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm \x + \xo 25:6 \xo*\xt Nonb 22:4\xt*\x*Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a. \v 7 \x + \xo 25:7 \xo*\xt Sòm 106:30\xt*\x*Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l, \v 8 epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. \x + \xo 25:8 \xo*\xt Nonb 16:46-48 \xt*\x*Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann. \v 9 \x + \xo 25:9 \xo*\xt Nonb 16:48-50\xt*\x*Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000). \p \v 10 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 11 \x + \xo 25:11 \xo*\xt Sòm 106:30\xt*\x*“Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo \x + \xo 25:11 \xo*\xt Egz 20:5\xt*\x*nan jalouzi pa Mwen an. \p \v 12 “Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li \x + \xo 25:12 \xo*\xt És 54:10\xt*\x*akò lapè Mwen. \v 13 Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò \x + \xo 25:13 \xo*\xt Egz 29:9\xt*\x*pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’” \p \v 14 Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo. \v 15 Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a \x + \xo 25:15 \xo*\xt Nonb 31:8\xt*\x*Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian. \v 16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 17 \x + \xo 25:17 \xo*\xt Nonb 25:1 \xt*\x*“Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo; \v 18 paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.” \c 26 \p \v 1 Konsa, li te vin rive apre \x + \xo 26:1 \xo*\xt Nonb 25:9 \xt*\x* gwo epidemi an ke SENYÈ a te pale avèk Moïse e avèk Éléazar, fis Aaron an, prèt la. Li te di: \v 2 \x + \xo 26:2 \xo*\xt Egz 30:11-16\xt*\x*“Fè yon kontwòl sou tout kongregasyon a fis Israël la soti nan laj ventan oswa plis, pou lakay zansèt a papa yo, nenpòt moun ki kapab sòti pou fè lagè an Israël. \v 3 Se konsa ke Moïse avèk Éléazar te pale avèk yo nan \x + \xo 26:3 \xo*\xt Nonb 22:1\xt*\x*plèn Moab la, akote Jourdain an, anfas Jéricho. Di yo: \v 4 Fè yon kontwòl a pèp la soti nan laj a ventan oswa plis, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.” \v 5 Ruben, premye ne an Israël la, fis a Ruben yo: a Hénoc, fanmi a Enokit yo; a Pallu, fanmi a Paliyit yo; \v 6 a Hetsron, fanmi a Estwonit yo; a Carmi, fanmi a Kamit yo. \p \v 7 Sila yo se fanmi a Ribenit yo: sila ki te konte nan yo a se te karann-twa-mil-sèt-san-trant (43,730). \p \v 8 Fis a Pallu yo: Éliab. \v 9 Fis a Éliab yo: Nemeul, Dathan ak Abiram. Sila yo se te Dathan avèk Abiram ki te \x + \xo 26:9 \xo*\xt Nonb 1:16\xt*\x*rele pa kongregasyon an, ki te kont Moïse ak Aaron nan konpanyen Koré yo lè yo te kont SENYÈ a, \v 10 epi \x + \xo 26:10 \xo*\xt Nonb 16:32\xt*\x*tè a te vin ouvri bouch li e te vale yo ansanm avèk Koré, lè konpanyen sa yo te vin mouri, lè dife a te devore de-san-senkant (250) mesye. Konsa, yo te devni yon egzanp. \v 11 Sepandan, \x + \xo 26:11 \xo*\xt Nonb 16:27-33 \xt*\x*fis a Koré yo pa t mouri. \p \v 12 Fis a Siméon yo selon fanmi pa yo: a Nemeul, fanmi Nemilit yo, a Jamin, fanmi a Jaminit yo; a Jakin, fanmi a Jakinit yo; \v 13 a Zérach, fanmi a Zerakit yo; a Saül, fanmi a Saoulit yo. \v 14 Sila yo se fanmi a Simeyonit yo, \x + \xo 26:14 \xo*\xt Nonb 1:23 \xt*\x*venn-de-mil-de-san (22,200). \p \v 15 Fis a Gad selon fanmi pa yo: a Tsephon, fanmi a Sefonit yo; a Haggi, fanmi a Agit yo; a Schuni, fanmi a Chounit yo; \v 16 a Ozni, fanmi a Oznit yo; a Éri, fanmi a Erit yo; \v 17 a Arod, fanmi a Awodit yo; a Areéli, fanmi a Areyelit yo. \v 18 Sila yo se fanmi a fis a Gad yo selon sila ki te konte nan yo, te \x + \xo 26:18 \xo*\xt Nonb 1:25\xt*\x*karant-mil-senk-san (40,500). \p \v 19 \x + \xo 26:19 \xo*\xt Jen 38:2\xt*\x*Fis a Juda yo te Er avèk Onan, men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaran. \v 20 Fis a \x + \xo 26:20 \xo*\xt I Kwo 2:3\xt*\x*Juda yo selon fanmi pa yo te: Schéla, fanmi a Chelanit yo; a Peret, fanmi a Peretit yo; a Zérach, fanmi a Zerakit yo. \v 21 Fis a Peret yo te: a Hetsron, fanmi a Etswonit yo; a Hamul, fanmi a Amilit yo. \v 22 Sila yo se fanmi a Juda selon sila ki te konte nan yo, se te \x + \xo 26:22 \xo*\xt Nonb 1:27\xt*\x*swasann-sèz-mil-senk-san (76,500). \v 23 Fis a \x + \xo 26:23 \xo*\xt Jen 46:13\xt*\x*Issacar yo selon fanmi pa yo: a Thola, fanmi a Tolatit yo; a Puva, fanmi a Pivit yo; \v 24 a Jaschub, fanmi a Jachoubit yo; a Shimron, fanmi a Chimwonit yo. \v 25 Sila yo se fanmi a Issacar, selon sila ki te konte nan yo, se te \x + \xo 26:25 \xo*\xt Nonb 1:29\xt*\x*swasann-kat-mil-twa-san (64,300). \p \v 26 Fis a Zabulon yo selon fanmi pa yo: a Séred, fanmi a Seredit yo; a Élon, fanmi \x + \xo 26:26 \xo*\xt Jen 46:14 \xt*\x*a Elonit yo; a Jaheel, fanmi a Jayelit yo. \v 27 Sila yo se fanmi a Zabilonit yo selon sila yo ki te konte nan yo, se te swasant-mil-senk-san (60,500). \p \v 28 \x + \xo 26:28 \xo*\xt Jen 46:20\xt*\x*Fis a Joseph yo selon fanmi pa yo: Manassé ak Ephraïm. \v 29 Fis a Manassé yo: a Makir, fanmi a Makirit yo; epi Makir te devni papa a Galaad; a fanmi Galaadit yo; \v 30 Sila yo se fis a Galaad yo: a Jézer, fanmi a \x + \xo 26:30 \xo*\xt Jij 6:11-34\xt*\x*Jezerit yo; a Hélek, fanmi a Helekit yo, \v 31 epi a Asriel, fanmi a Asriyelit yo; epi Sichem, fanmi a Sichemit yo; \v 32 epi a Schemida, fanmi a Schemidayit yo; epi a Hépher, fanmi a Eferit yo. \v 33 Alò, Tselophchad, fis a Hépher a, pa t gen fis, men sèlman fi; epi \x + \xo 26:33 \xo*\xt Nonb 27:1\xt*\x*non a fi a Tselophchad yo se te Machla, Noa, Hogla, Milca, ak Thirtsa. \p \v 34 Sila yo se fanmi a Manassé yo; epi sila ki te konte nan yo, se te \x + \xo 26:34 \xo*\xt Nonb 1:35\xt*\x*senkann-de-mil-sèt-san (52,700). \v 35 Sila yo se fis a Ephraïm yo selon fanmi pa yo: a Schutélach, fanmi a Chutelachit yo; a Béker, fanmi a Bekerit yo; a Thachan, fanmi a Tachanit yo. \v 36 Sila yo se fis a Schutélach yo: a Éran fanmi a Eranit yo. \v 37 Sila yo se fanmi a fis a Ephraïm yo selon sila ki konte nan yo, se te \x + \xo 26:37 \xo*\xt Nonb 1:33\xt*\x*trann-de-mil-senk-san (32,500). Sila yo se fis a Joseph yo selon fanmi pa yo. \v 38 Fis a Benjamin yo selon fanmi pa yo: a Béla, fanmi a Belit yo; a Aschbel, fanmi a Achbelit yo; a Achiram, fanmi a Achiramit yo; \v 39 a Schupham, fanmi a Choufamit yo; a Hupham, fanmi a Oufamit yo. \v 40 Fis a Béla yo se te: Ard ak Naaman: nan Ard, fanmi a Adit yo; nan Naaman, fanmi a Naamanit yo. \v 41 Sila yo se fis a Benjamin selon fanmi pa yo; epi sila ki te konte nan yo, se te \x + \xo 26:41 \xo*\xt Nonb 1:37\xt*\x*karann-senk-mil-sis-san (45,600). \v 42 Sila yo se fis a Dan yo selon fanmi pa yo: a Schucham, fanmi a Chouchamit yo. Sila yo se fanmi a Dan selon fanmi pa yo. \v 43 Tout fanmi a Chouchamit yo selon sila ki te konte nan yo, se te \x + \xo 26:43 \xo*\xt Nonb 1:39 \xt*\x*swasann-kat-mil-kat-san (64,400). \v 44 Fis a Aser yo, selon fanmi pa yo: a Jimna, fanmi a Jimnit yo; a Jischvi, fanmi a Jischvit yo; a Beria, fanmi a Berit yo. \v 45 A fis a Beria yo: Héber, fanmi a Eberit yo; a Malkiel, fanmi a Malkyelit yo. \v 46 Fi a Aser a te rele Sérach. \v 47 Sila yo se fanmi a fis Aser yo selon sila ki te konte nan yo, se te \x + \xo 26:47 \xo*\xt Nonb 1:41 \xt*\x*senkant-twa-mil-kat-san (53,400). \p \v 48 Fis a Nephtali yo, selon fanmi pa yo: a Jahtséel, fanmi a Jatseyelit yo; a Guni, fanmi a Gounit yo; \v 49 A Jetser, fanmi a Jetsrit yo; a Schillem, fanmi a Chilemit yo. \v 50 Sila yo se fanmi a Nephtali yo selon fanmi pa yo, epi sila ki te konte avèk yo, se te \x + \xo 26:50 \xo*\xt Nonb 1:43 \xt*\x*karann-senk-mil-kat-san (45,400). \v 51 Sila yo se sa yo ki te konte nan fis Israël yo, \x + \xo 26:51 \xo*\xt Egz 12:37\xt*\x*sis-san-en-mil-sèt-san-trant (601,730). \p \v 52 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 53 Pami sila yo, peyi a va divize kòm yon eritaj selon fòs kantite pèp la. \v 54 \x + \xo 26:54 \xo*\xt Nonb 33:54\xt*\x*Nan sila ki pi gran yo, ou va ogmante eritaj pa yo, e nan pi piti yo, ou va diminye eritaj yo. Chak va bay eritaj yo selon sila ki te konte nan yo. \v 55 Men peyi a va \x + \xo 26:55 \xo*\xt Nonb 33:54\xt*\x*divize pa tiraj osò. Yo va resevwa eritaj yo selon fòs kantite ki te konte pami yo. \v 56 Selon tiraj osò a, eritaj pa yo a va divize antre sila ki pi gran ak sila ki pi piti yo. \p \v 57 \x + \xo 26:57 \xo*\xt Jen 46:11\xt*\x*Sila yo se sa yo ki te konte pami Levit yo selon fanmi pa yo: a Guerschon, vin desann fanmi a Gèchonit yo; a Kehath, fanmi a Keyatit yo; a Merari, fanmi a Merarit yo. \v 58 Sila yo se fanmi a Levi yo: fanmi a Libnit yo, fanmi a Ebwonit yo, fanmi a Machlit yo, fanmi a Mouchit yo, fanmi a Korit yo. \x + \xo 26:58 \xo*\xt Egz 6:20\xt*\x*Kehath te devni papa a Amram. \v 59 Non a madanm Amram nan se te Jokébed, fi pou Levi a, ki te ne a Levi an Égypte; epi li te fè pou Amram: Aaron avèk Moïse avèk sè yo, Marie. \v 60 \x + \xo 26:60 \xo*\xt Nonb 3:2\xt*\x*Pou Aaron te ne Nadab avèk Abihu, Éléazar ak Ithamar. \v 61 \x + \xo 26:61 \xo*\xt Lev 10:1-2\xt*\x*Men Nadab avèk Abihu te mouri lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a. \p \v 62 Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil (23,000), tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske \x + \xo 26:62 \xo*\xt Nonb 1:47\xt*\x*yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo. \p \v 63 Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho. \v 64 \x + \xo 26:64 \xo*\xt Det 2:14-16\xt*\x*Men pami sila yo, pa t gen yon mesye nan sa yo ki te konte pa Moïse avèk Aaron, prèt la, ki te konte fis a Israël yo nan dezè a Sinaï a. \v 65 Paske, SENYÈ a te di a yo menm: \x + \xo 26:65 \xo*\xt Nonb 14:26-35\xt*\x*“Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan. \c 27 \p \v 1 Alò \x + \xo 27:1 \xo*\xt Nonb 26:33 \xt*\x*fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa, \v 2 Yo te kanpe devan Moïse ak Éléazar, prèt la, ak devan chèf a tout kongregasyon yo, nan pòtay a tant asanble a, e te di: \v 3 “Papa nou te \x + \xo 27:3 \xo*\xt Nonb 26:64-65\xt*\x*mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis. \v 4 Poukisa non a papa nou ta dwe retire soti nan fanmi li akoz ke li pa t gen fis? Bannou yon posesyon pami frè a papa nou yo.” \p \v 5 \x + \xo 27:5 \xo*\xt Nonb 9:8\xt*\x*Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a. \v 6 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 7 \x + \xo 27:7 \xo*\xt Nonb 36:2\xt*\x*“Fi a Tselophchad yo gen rezon nan sa yo di a. Ou va, vrèman, ba yo yon posesyon eritaj pami frè a papa yo, e ou va transfere eritaj a papa yo a ba yo menm. \p \v 8 “Anplis, ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon nonm mouri e li pa t gen fis, ou va transfere eritaj li a bay fi li. \v 9 Si li pa gen fi, alò, ou va bay eritaj li a a frè li yo. \v 10 Si li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a frè papa li yo. \v 11 Si papa li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a fanmi ki pi prè nan pwòp fanmi li. Li va posede li. Konsa, sa va yon \x + \xo 27:11 \xo*\xt Nonb 35:29 \xt*\x*règleman nèt pou fis Israël yo jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.’” \p \v 12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Monte nan \x + \xo 27:12 \xo*\xt Nonb 33:47-48\xt*\x*mòn Abarim nan, pou wè peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo. \v 13 Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, \x + \xo 27:13 \xo*\xt Nonb 20:24-28\xt*\x*jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron. \v 14 Paske, nan dezè Tsin nan, pandan asanble a t ap fè kont, \x + \xo 27:14 \xo*\xt Det 32:51\xt*\x*ou te fè rebèl kont lòd Mwen pou trete Mwen tankou sen devan zye yo kote dlo a.” (Sila yo se dlo a Meriba yo nan Kadés nan dezè a Tsin nan.) \p \v 15 “Alò, Moïse te pale avèk SENYÈ a. Li te di: \v 16 \x + \xo 27:16 \xo*\xt Nonb 16:22\xt*\x*Ke SENYÈ a, Bondye a lespri tout chè yo, ta chwazi yon mesye sou kongregasyon an, \v 17 \x + \xo 27:17 \xo*\xt Det 31:2\xt*\x*ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.” \p \v 18 Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm \x + \xo 27:18 \xo*\xt Nonb 11:25-29\xt*\x*nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li. \v 19 Konsa, fè li kanpe devan Éléazar, prèt la, ak devan tout kongregasyon an, e \x + \xo 27:19 \xo*\xt Det 3:28\xt*\x*ba li lòd komisyon an devan zye yo. \v 20 Ou va mete otorite pa w sou li, pou tout kongregasyon a fis Israël yo kapab obeyi a li menm. \v 21 Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon \x + \xo 27:21 \xo*\xt Egz 28:30\xt*\x*jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.” \p \v 22 Moïse te fè jis sa ke SENYÈ a te kòmande li. Li te pran Josué e te mete li devan Éléazar, prèt la, avèk tout kongregasyon an. \v 23 Konsa, li te poze men li sou li e te bay \x + \xo 27:23 \xo*\xt Det 31:23\xt*\x*li lòd komisyon an, jis jan ke SENYÈ a te pale pa Moïse la. \c 28 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 Bay lòd a fis Israël yo, e di yo: “Ou va fè atansyon pou prezante ofrann Mwen yo, \x + \xo 28:2 \xo*\xt Lev 3:11\xt*\x*manje Mwen pou ofrann pa dife Mwen yo, a yon odè ki santi bon anvè Mwen, nan lè ki deziye pou yo a. \v 3 \x + \xo 28:3 \xo*\xt Egz 29:38-42\xt*\x*Ou va di yo: ‘Sa se ofrann pa dife ke ou va ofri bay SENYÈ a: de mal mouton nan laj 1 nan, san defo, yon ofrann chak jou ki p ap janm sispann. \v 4 Ou va ofri yon jenn mouton nan maten e lòt jenn mouton an nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa; \v 5 osi, yon dizyèm efa farin fen kòm yon \x + \xo 28:5 \xo*\xt Lev 2:1\xt*\x*ofrann sereyal mele avèk yon ka hin lwil ki bat. \v 6 Li se yon ofrann brile tout tan ki te òdone nan mòn Sinaï kòm yon odè ki bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. \v 7 Epi ofrann bwason li va yon ka hin lwil pou chak mouton. Ou va vide yon ofrann bwason ak bwason fò a SENYÈ a, \x + \xo 28:7 \xo*\xt Egz 29:42\xt*\x*nan plas ki sen an. \v 8 Lòt jenn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Menm jan ak ofrann sereyal maten an, ak ofrann bwason pa l, ou va ofri li, yon ofrann pa dife, yon odè ki bon bay SENYÈ a. \p \v 9 “‘Epi nan jou Saba a, de jenn mouton mal san defo, ak de dizyèm a yon efa farin fen, kon yon ofrann sereyal, mele avèk lwil, avèk ofrann bwason li an: \v 10 Sila a se ofrann brile a chak Saba, anplis ke ofrann brile tout tan \x + \xo 28:10 \xo*\xt Nonb 28:3\xt*\x*ki fèt kontinyèlman, ak ofrann bwason an. \p \v 11 \x + \xo 28:11 \xo*\xt Nonb 10:10\xt*\x*“‘Nan kòmansman a chak nan mwa nou yo, nou va prezante yon ofrann brile a SENYÈ a: de towo avèk yon belye, sèt jenn mal mouton, avèk laj 1 nan san defo, \v 12 \x + \xo 28:12 \xo*\xt Nonb 15:4-12\xt*\x*epi twa dizyèm efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal pou chak towo; epi de dizyèm nan farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann pou yon sèl belye; \v 13 epi yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal pou chak jenn mouton, kòm yon ofrann brile, yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. \v 14 Ofrann bwason pa yo a va avèk yon mwatye hin diven pou yon towo, yon tyè hin pou belye a, ak yon ka hin pou yon jenn mouton. Sa se ofrann brile a pou chak mwa pandan tout mwa nan ane yo. \v 15 Epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche bay SENYÈ a. Li va ofri anplis ke ofrann brile \x + \xo 28:15 \xo*\xt Nonb 28:3\xt*\x*ki pou fèt tout tan yo avèk ofrann bwason li. \p \v 16 “‘Alò, \x + \xo 28:16 \xo*\xt Lev 23:5-8\xt*\x*nan katòzyèm jou a, nan premye mwa a, se va Pak SENYÈ a. \v 17 \x + \xo 28:17 \xo*\xt Lev 23:6\xt*\x*Nan kenzyèm jou nan mwa a, va gen yon fèt pen san ledven ki va manje pandan sèt jou.\x + \xo 28:17 \xo*\xt Lev 23:6\xt*\x* \v 18 Nan \x + \xo 28:18 \xo*\xt Lev 23:7\xt*\x*premye jou fèt la, yon konvokasyon sen; nou pa pou fè okenn travay ki di. \v 19 Nou va prezante yon ofrann pa dife, yon ofrann brile bay SENYÈ a: de towo avèk yon belye ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, \x + \xo 28:19 \xo*\xt Det 15:21\xt*\x*ki san defo, \v 20 avèk ofrann sereyal pa yo, nou va ofri farin fen mele avèk lwil. Nou va ofri twa dizyèm efa pou yon towo ak de dizyèm pou belye a. \v 21 Yon dizyèm efa, nou va ofri li pou chak nan sèt jenn mouton yo; \v 22 epi yon mal kabrit pou yon \x + \xo 28:22 \xo*\xt Nonb 28:3\xt*\x* ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou nou. \v 23 Nou va prezante sa yo anplis ke ofrann brile maten an, ki se pou yon ofrann brile k ap fèt tout tan. \v 24 Nan menm jan sila a, nou va prezante li chak jou pandan sèt jou, \x + \xo 28:24 \xo*\xt Lev 3:11\xt*\x*manje a ofrann pa dife a, kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a. Li va prezante avèk ofrann bwason pa li an ki anplis ofrann brile k ap fèt tout tan an. \v 25 Nan setyèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen. \x + \xo 28:25 \xo*\xt Nonb 28:18\xt*\x* Nou pa pou fè okenn travay ki di. \p \v 26 “‘Osi, nan \x + \xo 28:26 \xo*\xt Lev 23:15-21\xt*\x*jou premye fwi yo, lè nou prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a nan fèt semèn yo, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. \v 27 Nou va ofri yon ofrann brile pou yon odè ki bon a SENYÈ a: de jenn towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan; \v 28 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak towo, de dizyèm pou yon belye. \v 29 Yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; \v 30 osi yon mal kabrit pou fè ekspiyasyon pou nou. \v 31 \x + \xo 28:31 \xo*\xt Nonb 28:3\xt*\x*Anplis, ofrann brile kontinyèl la avèk ofrann sereyal li an, nou va prezante yo avèk ofrann bwason pa yo a. Yo va san defo. \c 29 \p \v 1 \x + \xo 29:1 \xo*\xt Egz 23:16\xt*\x*“‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt. \v 2 Ou va ofri yon ofrann brile kòm yon odè ki bon a SENYÈ a: yon towo, yon belye, ak sèt mal mouton nan laj 1 nan, san defo; \v 3 osi, ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou belye a, \v 4 epi yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo. \v 5 Ofri yon mal kabrit pou yon ofrann peche, pou fè ekspiyasyon pou nou, \v 6 anplis, ofrann brile a lalin nèf yo avèk ofrann sereyal li, \x + \xo 29:6 \xo*\xt Nonb 28:3\xt*\x*ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal li, ofrann bwason pa li, selon òdonans pa yo, pou yon odè ki santi bon, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. \p \v 7 “‘Epi nan \x + \xo 29:7 \xo*\xt Lev 16:29-34\xt*\x*dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay. \v 8 Nou va prezante yon ofrann brile bay SENYÈ a kòm yon odè ki santi bon: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan, \x + \xo 29:8 \xo*\xt Det 15:21\xt*\x*ki pa gen okenn defo; \v 9 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou towo a, de dizyèm pou yon belye, \v 10 yon dizyèm pou chak nan sèt jenn mouton yo; \v 11 yon mal kabrit pou yon \x + \xo 29:11 \xo*\xt Lev 16:3-5\xt*\x*ofrann peche, anplis ke ofrann peche pou ekspiyasyon an, epi \x + \xo 29:11 \xo*\xt Nonb 28:3\xt*\x*ofrann brile ki fèt tout tan an, avèk ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a. \p \v 12 “‘Nan \x + \xo 29:12 \xo*\xt Lev 23:33-35 \xt*\x*kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou. \v 13 Nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon odè ki santi bon a SENYÈ a: trèz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, ki san defo; \v 14 epi ofrann sereyal pa yo, farin fen mele avèk lwil: twa dizyèm efa pou chak nan trèz towo yo, de dizyèm pou chak nan de belye yo, \v 15 epi yon dizyèm pou chak nan katòz belye yo; \v 16 epi yon mal mouton pou yon ofrann peche, \x + \xo 29:16 \xo*\xt Nonb 28:3\xt*\x*anplis ofrann brile kontinyèl la, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a. \p \v 17 “‘Epi nan \x + \xo 29:17 \xo*\xt Lev 23:36\xt*\x*dezyèm jou a: douz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; \v 18 epi ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, pa nimewo a yo \x + \xo 29:18 \xo*\xt Lev 2:1-6\xt*\x*selon òdonans lan; \v 19 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, \x + \xo 29:19 \xo*\xt Nonb 28:8\xt*\x*anplis ofrann kontinyèl la avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa yo. \p \v 20 “‘Epi nan twazyèm jou a: onz towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; \v 21 epi ofrann sereyal pa yo, ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; \v 22 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile k ap fèt tout tan an, ofrann sereyal la, ak ofrann bwason pa li a. \p \v 23 “‘Epi nan katriyèm jou a: de towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan san defo; \v 24 ofrann sereyal pa yo a ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; \v 25 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li. \p \v 26 “‘Epi nan senkyèm jou a: nèf towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan \x + \xo 29:26 \xo*\xt Eb 7:28\xt*\x*san defo’ \v 27 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou mouton yo selon nimewo òdonans lan; \v 28 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal avèk ofrann bwason pa li a. \p \v 29 “‘Alò, nan sizyèm jou a: uit towo, de belye, katòz mal mouton 1 nan san defo; \v 30 epi ofrann sereyal yo ak ofrann bwason pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn ti mouton yo, selon nimewo òdonans lan; \v 31 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an avèk ofrann sereyal ak ofrann bwason pa li a. \p \v 32 “‘Alò, nan setyèm jou a: sèt towo, de belye, katòz mal mouton nan laj 1 nan, san defo; \v 33 epi ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo pou towo yo, pou belye yo ak pou jenn mouton yo selon nimewo òdonans lan, \v 34 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an, ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa li a. \p \v 35 \x + \xo 29:35 \xo*\xt Lev 23:36\xt*\x*“‘Nan uityèm jou a, nou va fè yon asanble solanèl; nou pa pou fè okenn travay di nan jou sa yo. \v 36 Men nou va prezante yon ofrann brile, yon ofrann pa dife kòm yon ofrann ki santi bon bay SENYÈ a: yon towo, yon belye, sèt mal mouton nan laj 1 nan san defo; \v 37 ofrann sereyal la ak ofrann bwason pa yo pou towo a, pou belye a ak pou jenn mouton yo, selon nimewo òdonans lan; \v 38 epi yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, anplis de ofrann brile ki fèt tout tan an ak ofrann sereyal la avèk ofrann bwason pa li a. \p \v 39 “‘Nou va prezante sila yo bay SENYÈ a nan \x + \xo 29:39 \xo*\xt Lev 23:2 \xt*\x*lè fèt apwente nou chwazi yo—anplis, ofrann ve nou yo ak ofrann bòn volonte nou yo—pou ofrann brile nou yo, pou ofrann sereyal pa nou yo, ofrann bwason pa nou yo ak ofrann lapè nou yo.’” \p \v 40 Moïse te pale avèk fis Israël yo an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo. \c 30 \p \v 1 Alò, Moïse te pale a \x + \xo 30:1 \xo*\xt Nonb 1:4-16\xt*\x*chèf a tribi fis Israël yo. Li te di: “Sa se pawòl ke SENYÈ a te kòmande a. \v 2 \x + \xo 30:2 \xo*\xt Det 23:21-23\xt*\x*Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li. \p \v 3 “Osi, si yon fanm fè yon ve a SENYÈ a, e li mare li ak yon angajman lakay papa li, pandan jenès li, \v 4 epi papa li te tande ve li a, angajman pa sila li te mare tèt li a, e papa li pa di li anyen, alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, yo va kanpe. \v 5 Men si papa li ta anpeche li nan jou ke li tande sa a, okenn nan ve sa yo ni angajman pa sila li te mare tèt li yo, p ap kanpe. SENYÈ a va padone li akoz ke papa li te anpeche li. \p \v 6 “Si li ta marye pandan li anba ve oswa sèman a bouch li ki te manke sajès la, pa sila li te vin mare tèt li a, \v 7 epi mari li tande sa e li pa di anyen a li menm nan jou ke li tande sa a; alò, ve li a va kanpe, e angajman pa sila li te mare tèt li a, va kanpe. \v 8 Men si nan jou ke mari li tande sa a, li anpeche li; alò, li va anile ve ke li anba li a, ak sèman ki te manke sajès pa sila li te mare tèt li a. SENYÈ a va padone li. \p \v 9 “Men yon ve pa yon vèv, oswa yon fanm divòse, tout sa pa sila li te mare tèt li a, va vin kanpe kont li. \p \v 10 “Si li te fè ve a lakay mari li, oswa li te mare tèt li pa yon angajman avèk yon sèman, \v 11 epi mari li te tande sa; men pa t di anyen a li menm, e li pa t anpeche li; alò, tout ve li yo va kanpe e tout angajman pa sila li te mare tèt li yo, va vin kanpe. \v 12 Men si, vrèman, mari li anile yo nan jou ke li tande yo a; alò, okenn ve oswa angajman ki sòti nan lèv li, p ap kanpe. Mari li te anile yo. SENYÈ a va padone li. \v 13 Nenpòt ve oswa nenpòt sèman pa sila li te mare tèt li a, mari li kapab aksepte li, oswa mari li kapab anile li. \v 14 Men si mari li, vrèman, pa di anyen a li menm de jou an jou; alò, li te aksepte li. Paske li pa di anyen a li menm nan jou ke li te tande yo a. \v 15 Men si li, vrèman, anile yo apre li te tande yo a; alò, mari a va pote koupabilite chaj li.” \p \v 16 Sa yo se règleman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, antre yon mesye ak madanm li, oswa antre yon papa ak fi ki nan laj jenès li, ki te viv lakay papa li. \c 31 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 2 \x + \xo 31:2 \xo*\xt Nonb 25:1-17\xt*\x*Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a. \p \v 3 Moïse te pale avèk pèp la e te di: “Bay gason pami nou yo zam pou fè lagè; pou yo kapab sòti kont Madian pou egzekite \x + \xo 31:3 \xo*\xt Lev 26:25 \xt*\x*vanjans SENYÈ a kont Madian. \v 4 Yon milye ki soti nan chak tribi a tout tribi Israël yo, nou va voye yo nan lagè.” \v 5 Konsa, te vin disponib soti nan milye an Israël, yon milye soti nan chak tribi, douz mil avèk zam prepare pou lagè. \v 6 Moïse te voye yo, yon milye sòti nan chak tribi nan lagè, e Phinées, fis Éléazar a, prèt la, nan lagè avèk yo, avèk veso sen ak \x + \xo 31:6 \xo*\xt Nonb 10:8-9 \xt*\x*twonpèt yo pou sone alam ki nan men l lan. \p \v 7 Konsa, yo te fè lagè kont Madian, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, e \x + \xo 31:7 \xo*\xt Det 20:13\xt*\x*yo te touye tout gason yo. \v 8 Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: \x + \xo 31:8 \xo*\xt Nonb 25:15\xt*\x*Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye \x + \xo 31:8 \xo*\xt Jos 13:22\xt*\x*Balaam fis a Beor a avèk nepe. \v 9 Fis a Israël yo te pran an kaptif fanm a Madian avèk timoun piti yo, tout bèf yo avèk tout bann bèt yo ak tout byen yo te piyaje yo. \v 10 Yo te brile tout vil kote yo te rete yo ak tout kan yo avèk dife. \v 11 \x + \xo 31:11 \xo*\xt Det 20:14\xt*\x*Yo te piyaje ak tout sila ki te pran an kaptif yo, ni moun, ni bèt. \v 12 Yo te mennen kaptif yo avèk bèt yo avèk sa yo piyaje yo bay Moïse ak Éléazar, prèt la ak bay kongregasyon fis Israël yo, nan kan nan plèn Moab la, ki akote Jourdain an anfas Jéricho. \p \v 13 Moïse avèk Éléazar, prèt la ak tout chèf ki nan kongregasyon yo te ale deyò kan an pou rankontre yo. \v 14 Moïse te fache avèk ofisye lame a, kapitèn a dè milye ak kapitèn dè santèn ki te sòti nan sèvis lagè yo. \p \v 15 Moïse te di yo: “Èske nou te bay \x + \xo 31:15 \xo*\xt Det 20:14\xt*\x*tout fanm yo lavi? \v 16 \x + \xo 31:16 \xo*\xt Nonb 25:1-9\xt*\x*Gade byen, sila yo te fè fis Israël yo avèk konsèy Balaam nan vin peche kont SENYÈ a nan zafè Peor a; konsa, gwo epidemi te vin pami kongregasyon SENYÈ a. \v 17 \x + \xo 31:17 \xo*\xt Det 7:2 \xt*\x*Pou sa, touye tout gason pami pitit yo, e touye tout fanm ki gen tan fin kouche avèk gason. \v 18 Men tout fi ki poko konnen gason, konsève yo pou nou menm. \p \v 19 \x + \xo 31:19 \xo*\xt Nonb 19:11-22\xt*\x*“Epi nou menm, fè kan deyò kan an pandan sèt jou; nenpòt moun ki te touye yon moun, e nenpòt moun ki te touche yon mò, pirifye tèt nou, nou menm avèk kaptif nou yo, nan twazyèm jou ak nan setyèm jou a. \v 20 Nou va pirifye tèt nou, tout rad nou yo, tout bagay ki fèt an kwi, tout travay an po kabrit ak tout bagay an bwa.” \p \v 21 Alò, Éléazar, prèt la, te di a mesye lagè ki te ale nan batay yo: “Sa se règleman a lalwa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la: \v 22 sèlman lò avèk ajan, avèk bwonz, fè, fè blan ak plon, \v 23 tout sa ki kapab sipòte dife, nou va fè pase nan dife, e li va vin pwòp; men li va pirifye avèk \x + \xo 31:23 \xo*\xt Nonb 19:9-17\xt*\x*dlo pirifikasyon an. Men nenpòt sa ki pa kab sipòte dife, nou va pase yo nan dlo. \v 24 Epi nou va lave rad nou nan setyèm jou a pou nou vin pwòp; epi apre, nou kapab antre nan kan an.” \p \v 25 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: \v 26 “Ou menm avèk Éléazar, prèt la, chèf a lakay zansèt yo nan kongregasyon an, pran kontwòl de sa ki te pran an kaptif yo, ni lòm, ni bèt; \v 27 epi \x + \xo 31:27 \xo*\xt Jos 22:8\xt*\x*divize piyaj la antre gèrye ki te sòti nan batay yo ak tout kongregasyon an. \v 28 \x + \xo 31:28 \xo*\xt Nonb 18:21-30\xt*\x*Fè ranmase yon taks ki pou SENYÈ a sou gèrye ki te soti nan batay yo, youn nan chak senk san moun ke yo te pran an kaptif yo, nan bèf, nan bourik ak nan mouton; \v 29 pran li nan mwatye pa yo, e bay li a Éléazar, prèt la, kòm yon ofrann bay SENYÈ a. \v 30 Soti nan mwatye fis Israël yo, ou va pran youn ki sòti nan chak senkant moun, nan bèf, nan bourik ak nan mouton, nan tout bèt; epi bay yo a Levit ki \x + \xo 31:30 \xo*\xt Nonb 3:7-37\xt*\x*responsab lòd nan tabènak SENYÈ a.” \p \v 31 Moïse avèk Éléazar, prèt la, te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 32 Alò, piyaj ki te rete nan byen ke mesye lagè yo te piyaje a te si-mil-swasann-kenz (675,000) mouton, \v 33 swasann-douz-mil (72,000) bèf, \v 34 swasanteyen-mil (61,000) bourik, \v 35 epi nan Kretyen kaptif yo, fanm ki pa t janm konnen gason yo, tout moun te trann-de-mil (32,000). \v 36 Mwatye a, pati a sila ki te ale nan lagè yo te konsa: kantite mouton yo te: twa-san-trann-sèt-mil-senk-san, \v 37 taks SENYÈ a te sis-san-swasann-kenz (675); \v 38 bèf yo te trann-si-mil (36,000), ladann taks la te swasann-douz (72); \v 39 bourik yo te trant-mil-senk-san (30,500), ladan yo taks SENYÈ a te swasanteyen (61); \v 40 moun vivan yo te sèz-mil (16,000), ladan yo taks SENYÈ a te trann-de (32) moun. \p \v 41 Moïse te bay taks la, ofrann SENYÈ a Éléazar, prèt la, \x + \xo 31:41 \xo*\xt Nonb 5:9-10\xt*\x*jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 42 Epi pou mwatye a fis Israël yo, ke Moïse te retire nan men mesye ki te ale nan lagè yo—— \v 43 Mwatye kongregasyon an te twa-san-trann-sèt-mil-senk-san (337,500) mouton, \v 44 trann-si-mil (36,000) bèf, \v 45 trant-mil-senk-san (30,500) bourik, \v 46 moun vivan yo te sèz-mil (16,000) \v 47 epi soti nan mwatye fis Israël yo, Moïse te retire nan chak senkant, ni nan lòm ak nan bèt yo, e li te bay yo a Levit yo, ki te kenbe lòd nan tabènak SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 48 Alò, ofisye ki te sou dè milye nan lame yo, kapitèn a dè milye e kapitèn a dè santèn yo te apwoche Moïse, \v 49 epi yo te di a Moïse: “Sèvitè nou yo te pran kontwòl a mesye lagè ki sou chaj nou yo, e nanpwen pèsòn pami nou ki pa la. \v 50 Konsa, nou vin pote yon ofrann bay SENYÈ a sou sa ke chak moun te twouve, bagay an lò, chenèt, braslè, bag, zanno ak kolye, \x + \xo 31:50 \xo*\xt Egz 30:12-16\xt*\x*pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a.” \p \v 51 Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò pa yo, tout kalite bagay ki fonn. \v 52 Tout lò pou ofrann, yo te ofri devan SENYÈ a, soti nan kapitèn dè milye ak kapitèn dè santèn yo, se te sèz-mil-sèt-san-senkant (16,750) sik. \v 53 \x + \xo 31:53 \xo*\xt Nonb 31:32\xt*\x*Mesye lagè yo te pran piyaj la, chak nonm pou kont li. \p \v 54 Konsa, Moïse avèk Éléazar, prèt la, te pran lò kapitèn dè milye ak dè santèn yo, e yo te pote li nan tant asanble a kòm yon \x + \xo 31:54 \xo*\xt Egz 30:16\xt*\x*souvni a fis Israël yo devan SENYÈ a. \c 32 \p \v 1 Alò, fis Ruben yo avèk fis Gad yo te gen \x + \xo 32:1 \xo*\xt Egz 12:38\xt*\x*vrèman yon gran kantite bèt. Konsa, lè yo te wè teren nan \x + \xo 32:1 \xo*\xt Nonb 21:22\xt*\x*Jaezer a ak peyi a Galaad la, ke li te vrèman yon kote ki bon pou bèt. \v 2 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te vin pale avèk Moïse ak Éléazar, prèt la, avèk chèf kongregasyon an. Yo te di yo, \v 3 \x + \xo 32:3 \xo*\xt Nonb 32:34-38\xt*\x*“Atharoth, Dibon, Jaezer, Nimra, Hesbon Elealé, Sebam, Nebo ak Beon, \v 4 peyi \x + \xo 32:4 \xo*\xt Nonb 21:34\xt*\x*ke SENYÈ a te bat devan kongregasyon Israël yo, se yon peyi ki pou pran swen bèt, e sèvitè ou yo gen bèt.” \v 5 Yo te di: “Si nou twouve favè nan zye ou, kite peyi sa a vin bay a sèvitè ou yo kòm yon posesyon. Pa mennen nou lòtbò Jourdain an.” \p \v 6 Men Moïse te di a fis Gad yo e a fis Ruben yo: “Èske frè nou yo va ale nan lagè, pou nou menm rete chita isit la? \v 7 \x + \xo 32:7 \xo*\xt Nonb 13:27-33\xt*\x*Koulye a, poukisa nou ap dekouraje fis Israël yo travèse lòtbò a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a? \v 8 Se sa ke papa nou yo te fè lè mwen te voye yo sòti nan \x + \xo 32:8 \xo*\xt Nonb 13:3-26\xt*\x*Kadès-Barnéa pou wè peyi a. \v 9 Paske, lè yo te monte nan \x + \xo 32:9 \xo*\xt Nonb 13:24\xt*\x*vale Eschcol pou te wè peyi a, yo te dekouraje fis Israël yo jiskaske yo pa t antre nan peyi ke SENYÈ a te ba yo a. \p \v 10 “Konsa, \x + \xo 32:10 \xo*\xt Nonb 14:11\xt*\x*kòlè SENYÈ a te brile nan jou sa a, Li te sèmante, e te di: \v 11 \x + \xo 32:11 \xo*\xt Nonb 14:26-30\xt*\x*‘Okenn nan mesye sa yo ki monte kite Égypte, ki gen laj plis ke ventan p ap wè peyi ke Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob la; paske yo pa t swiv Mwen nèt, \v 12 sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, \x + \xo 32:12 \xo*\xt Det 1:36\xt*\x*paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’ \v 13 \x + \xo 32:13 \xo*\xt Nonb 14:33-35\xt*\x*Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi. \p \v 14 “Koulye a, veye byen, nou te vin leve nan plas papa nou yo, yon nich moun plen peche, pou vin mete menm plis sou \x + \xo 32:14 \xo*\xt Det 1:37\xt*\x*kòlè SENYÈ a kont Israël. \v 15 Paske si nou \x + \xo 32:15 \xo*\xt Det 30:17-18\xt*\x*vire akote, e nou pa swiv Li, Li va, yon fwa, ankò abandone yo nan dezè a; epi nou va detwi tout pèp sa yo.” \v 16 Alò, yo te vin pwoche li e te di: “Nou va bati isit la pak mouton pou bèt nou yo ak vil pou pitit nou yo; \v 17 \x + \xo 32:17 \xo*\xt Jos 4:12-13\xt*\x*men nou, nou menm, nou va pran zam tou prepare pou ale devan fis Israël yo, jiskaske nou enstale yo nan plas yo. Pandan pitit nou yo ap viv nan vil fòtifye akoz sila k ap viv nan peyi yo. \v 18 \x + \xo 32:18 \xo*\xt Jos 22:1-4 \xt*\x*Nou p ap retounen lakay nou jiskaske chak moun nan fis Israël yo gen tan posede eritaj pa yo. \v 19 Paske nou p ap gen yon eritaj avèk yo lòtbò Jourdain an, oswa pi lwen, paske eritaj pa nou an te tonbe bannou \x + \xo 32:19 \xo*\xt Jos 12:1\xt*\x*nan kote Jourdain a sila a, vè lès la.” \p \v 20 \x + \xo 32:20 \xo*\xt Det 3:18\xt*\x*Konsa Moïse te di yo: “Si nou va fè sa, si nou va pran zam nou yo devan SENYÈ a pou fè lagè a, \v 21 epi nou tout mesye avèk zam yo travèse Jourdain a devan SENYÈ a jiskaske Li pouse lènmi Li yo soti devan Li, \v 22 \x + \xo 32:22 \xo*\xt Det 3:20\xt*\x*epi peyi a vin anba kontwòl devan SENYÈ a. Alò, apre nou va retounen, lib de angajman yo vè SENYÈ a, ak vè Israël. Konsa, peyi sila a va pou nou kòm yon posesyon devan SENYÈ a. \p \v 23 “Men si nou pa fè sa, veye byen, nou te peche kont SENYÈ a, e fòk nou konnen ke \x + \xo 32:23 \xo*\xt Jen 4:7\xt*\x*peche nou va vin jwenn nou. \v 24 Bati pou nou menm gran vil pou pitit nou yo, pak pou mouton nou yo, e \x + \xo 32:24 \xo*\xt Nonb 30:2\xt*\x*fè sa ke nou te pwomèt yo.” \p \v 25 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te pale avèk Moïse. Yo te di: “Sèvitè ou yo va fè ojis sa ke mèt mwen kòmande yo a. \v 26 \x + \xo 32:26 \xo*\xt Jos 1:14\xt*\x*Pitit nou yo, madanm nou yo, ak bèt nou yo va rete nan vil Galaad yo; \v 27 pandan sèvitè ou yo, chak ki gen zam pou fè lagè, va \x + \xo 32:27 \xo*\xt Jos 4:12\xt*\x*travèse lòtbò nan prezans SENYÈ a pou batay la, jis jan ke mèt mwen pale.” \p \v 28 Konsa, Moïse te pase lòd konsènan yo a Éléazar, prèt la, a Josué, fis a Nun nan, e a chèf lakay papa zansèt yo, a tribi a fis Israël yo. \v 29 Moïse te di yo: “Si fis a Gad avèk fis a Ruben yo, tout sila ki te pran zam pou batay yo, va travèse avèk nou lòtbò Jourdain an nan prezans SENYÈ a, e peyi a vin soumèt devan nou, alò nou va ba yo peyi a Galaad la kòm yon posesyon. \v 30 Men si yo refize travèse avèk nou avèk zam yo, yo va genyen posesyon yo pami nou nan peyi Canaran.” \p \v 31 Fis a Gad avèk fis a Ruben yo te reponn e te di: “Jan SENYÈ a te pale a sèvitè ou yo, konsa nou va fè. \v 32 Nou menm, nou va travèse lòtbò avèk zam yo nan prezans SENYÈ a, nan peyi Canaran, e posesyon eritaj nou va rete avèk nou lòt kote Jourdain an.” \v 33 \x + \xo 32:33 \xo*\xt Det 3:8-17\xt*\x*Konsa, Moïse te bay yo, fis a Gad avèk fis a Ruben yo, mwatye tribi fis a Joseph la, Manassé, wayòm a Sihon, wa a Amoreyen yo, wayòm a Og la, wa a Basan an, peyi a avèk vil pa yo, teritwa pa yo, vil a teritwa ki te antoure yo. \p \v 34 Fis a Gad yo te bati Dibon avèk Ataroth ak \x + \xo 32:34 \xo*\xt Det 2:36\xt*\x*Aroër, \v 35 Atroth-Schophan, Jaezer, Jogbetha, \v 36 \x + \xo 32:36 \xo*\xt Nonb 32:3\xt*\x*Beth Nimra avèk Beth Haran, kòm vil byen fòtifye ak pak pou mouton. \v 37 Fis a Ruben yo te bati Hesbon, Elealé, avèk Kirjathaïm, \v 38 \x + \xo 32:38 \xo*\xt És 46:1\xt*\x*Nebo avèk Baal-Meon——non ki te chanje yo—ak Sibma, e yo te bay lòt non a vil ke yo te bati yo. \p \v 39 Fis a \x + \xo 32:39 \xo*\xt Jen 50:23\xt*\x*Makir yo, fis a Manassé yo te ale Galaad pou te pran li, e yo te deplase Amoreyen ki te rete ladann yo. \v 40 Konsa, Moïse te bay \x + \xo 32:40 \xo*\xt Det 3:12-15\xt*\x*Galaad a Makir, fis a Manassé a, e li te viv ladann. \v 41 \x + \xo 32:41 \xo*\xt Det 3:14\xt*\x*Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr. \v 42 Nobach te ale pran Kenath avèk vil pa li yo, e li te rele li Nobach selon pwòp non pa li. \c 33 \p \v 1 Sa se vwayaj a fis Israël yo sou sila yo te sòti nan peyi Égypte la pa lame pa yo, anba \x + \xo 33:1 \xo*\xt Sòm 105:26\xt*\x*direksyon Moïse avèk Aaron. \v 2 Moïse te ekri yon rapò pou montre pwent kòmansman nan vwayaj yo selon kòmand SENYÈ a, e sa yo se vwayaj selon pwent kòmansman sila yo. \p \v 3 \x + \xo 33:3 \xo*\xt Egz 12:37\xt*\x*Yo te vwayaje soti nan Ramsès nan premye mwa a, sou kenzyèm jou a. Nan jou apre Pak la, fis Israël yo te \x + \xo 33:3 \xo*\xt Egz 14:8\xt*\x*soti avèk gwo kouraj devan zye a tout Ejipsyen yo, \v 4 pandan tout Ejipsyen yo t ap antere tout premye ne ke SENYÈ a te frape detwi pami yo. SENYÈ a te osi egzekite jijman \x + \xo 33:4 \xo*\xt Egz 12:12\xt*\x*sou dye ki te pou yo. \p \v 5 Alò, \x + \xo 33:5 \xo*\xt Egz 12:37\xt*\x*fis a Israël yo te vwayaje soti Ramsès pou te fè kan nan Succoth. \p \v 6 \x + \xo 33:6 \xo*\xt Egz 13:20\xt*\x*Yo te vwayaje soti Succoth pou te fè kan nan Etham, ki sou kote dezè a. \p \v 7 \x + \xo 33:7 \xo*\xt Egz 14:1-2\xt*\x*Yo te vwayaje soti Etham pou te vire fè bak jis nan Pi-Hahiroth, ki anfas Baal-Tsephon, e yo te vin fè kan devan Migdol. \p \v 8 \x + \xo 33:8 \xo*\xt Egz 14:22\xt*\x*Yo te vwayaje soti devan Pi-Hahiroth. Yo te pase nan mitan lanmè a pou rive nan dezè a, \x + \xo 33:8 \xo*\xt Egz 15:22,23\xt*\x*yo te vwayaje pandan twa jou nan dezè Étham an, e yo te vin fè kan nan Mara. \p \v 9 \x + \xo 33:9 \xo*\xt Egz 16:27\xt*\x*Yo te vwayaje soti Mara pou te rive nan Élim. Nan Élim, te gen douz sous dlo, swasann-dis pye palmis, e yo te fè kan an. \p \v 10 Yo te vwayaje soti nan Élim, pou te fè kan bò kote Lamè Wouj. \p \v 11 Yo te vwayaje soti Lamè Wouj pou te fè kan nan \x + \xo 33:11 \xo*\xt Egz 16:1\xt*\x*dezè Tsin nan. \p \v 12 Yo te vwayaje soti nan dezè Tsin nan pou te fè kan nan Dophka. \p \v 13 Yo te vwayaje soti nan Dophka pou te fè kan nan Alusch. \p \v 14 Yo te vwayaje soti Alusch pou te fè kan nan \x + \xo 33:14 \xo*\xt Egz 17:1\xt*\x*Rephidim. Se te la ke pèp la pa t gen dlo pou bwè a. \p \v 15 Yo te vwayaje soti nan Rephidim pou te fè kan nan \x + \xo 33:15 \xo*\xt Egz 19:1\xt*\x*dezè Sinaï a. \p \v 16 Yo te vwayaje soti nan dezè Sinaï a pou te fè kan nan \x + \xo 33:16 \xo*\xt Nonb 11:34\xt*\x*Kibroth-Hattaava. \p \v 17 Yo te vwayaje soti nan Kibroth-Hattaava pou te fè kan nan \x + \xo 33:17 \xo*\xt Nonb 11:35\xt*\x*Hatséroth. \p \v 18 Yo te vwayaje soti nan Hatséroth pou te fè kan nan Rithma. \p \v 19 Yo te vwayaje soti nan Rithma pou te fè kan nan Rimmon-Pérets. \p \v 20 Yo te vwayaje soti nan Rimmon-Pérets pou te fè kan nan \x + \xo 33:20 \xo*\xt Det 1:1\xt*\x*Libna. \v 21 Yo te vwayaje soti nan Libna pou te fè kan nan Rissa. \p \v 22 Yo te vwayaje soti nan Rissa pou te fè kan nan Kehélatha. \v 23 Yo te vwayaje soti nan Kehélatha pou te fè kan nan Schapher. \p \v 24 Yo te vwayaje soti nan Mòn Schapher pou te fè kan nan Harda. \v 25 Yo te vwayaje soti nan Harda pou te fè kan nan Makhéloth. \p \v 26 Yo te vwayaje soti nan Makhéloth pou te fè kan nan Tahath. \p \v 27 Yo te vwayaje soti nan Tahath pou te fè kan nan Tarach. \p \v 28 Yo te vwayaje soti nan Tarach pou te fè kan nan Mithka. \p \v 29 Yo te vwayaje soti nan Mithka pou te fè kan nan Haschmona. \p \v 30 Yo te vwayaje soti nan Haschmona pou te fè kan nan \x + \xo 33:30 \xo*\xt Det 10:6\xt*\x*Moséroth. \p \v 31 Yo te vwayaje soti nan Moséroth pou te fè kan nan Bené-Jaakan. \p \v 32 Yo te vwayaje soti nan \x + \xo 33:32 \xo*\xt Jen 36:27\xt*\x*Bené-Jaakan pou te fè kan nan Hor-Guidgad. \p \v 33 Yo te vwayaje soti nan Hor-Guidgad pou te fè kan nan \x + \xo 33:33 \xo*\xt Det 10:7\xt*\x*Jothbatha. \v 34 Yo te vwayaje soti nan Jothbatha pou te fè kan nan Abrona. \p \v 35 Yo te vwayaje soti nan Abrona pou te fè kan nan \x + \xo 33:35 \xo*\xt Det 2:8\xt*\x*Etsjon-Guéber. \p \v 36 Yo te vwayaje soti nan Etsjon-Guéber pou te fè kan nan dezè a \x + \xo 33:36 \xo*\xt Nonb 20:1\xt*\x*Tsin nan: sa vle di, Kadès. \p \v 37 Yo te vwayaje soti nan Kadès pou te fè kan nan Mòn Hor, nan \x + \xo 33:37 \xo*\xt Nonb 20:16\xt*\x*lizyè peyi Édom an. \p \v 38 \x + \xo 33:38 \xo*\xt Nonb 20:28\xt*\x*Konsa, Aaron, prèt la, te monte nan Mòn Hor selon lòd SENYÈ a, e li te mouri la nan karantyèm ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan premye jou sou senkyèm mwa a. \p \v 39 Aaron te gen san-venn-twazan (123) lè li te mouri sou Mòn Hor a. \p \v 40 Alò, Kananeyen an, wa a \x + \xo 33:40 \xo*\xt Nonb 21:1\xt*\x* Arad ki te rete Negev la nan peyi Canaran an, te tande ke fis Israël yo t ap pwoche. \p \v 41 Alò, yo te vwayaje soti nan Mòn Hor pou te fè kan nan Tsalmona. \p \v 42 Yo te vwayaje soti nan Tsalmona pou te fè kan nan Punon. \p \v 43 Yo te vwayaje soti nan Punon pou te fè kan nan \x + \xo 33:43 \xo*\xt Nonb 21:10-11\xt*\x*Oboth. \p \v 44 Yo te vwayaje soti nan Oboth pou te fè kan nan Ijjé-Abarim nan lizyè Moab la. \p \v 45 Yo te vwayaje soti nan Ijjé-Abarim pou te fè kan nan Dibon-Gad. \p \v 46 Yo te vwayaje soti nan Dibon-Gad pou te fè kan nan Almon-Diblathaïm. \p \v 47 Yo te vwayaje soti nan Almon-Diblathaïm pou te fè kan nan mòn \x + \xo 33:47 \xo*\xt Nonb 27:12\xt*\x*Abarim yo devan Nebo. \p \v 48 Yo te vwayaje soti nan mòn Abarim yo pou te \x + \xo 33:48 \xo*\xt Nonb 22:1\xt*\x*fè kan nan plèn a Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho. \p \v 49 Yo te fè kan akote Jourdain an, soti nan Beth-Jeschimoth pou jis rive nan \x + \xo 33:49 \xo*\xt Nonb 25:1\xt*\x*Abel-Sittim nan plèn a Moab yo. \p \v 50 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn a Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di: \v 51 Pale avèk fis Israël yo e di yo, \x + \xo 33:51 \xo*\xt Jos 3:17\xt*\x*“Lè nou fin travèse Jourdain an pou antre nan peyi Canaran an, \v 52 alò, nou va chase deyò tout abitan nan peyi a soti devan nou. Nou va \x + \xo 33:52 \xo*\xt Det 7:5\xt*\x*detwi tout zidòl taye an wòch pa yo, detwi tout imaj fonn yo, e kraze nèt tout wo plas yo. \p \v 53 \x + \xo 33:53 \xo*\xt Det 11:31\xt*\x*“Konsa, nou va pran posesyon peyi a pou viv ladann. Paske Mwen te bay peyi a a nou pou posede li. \v 54 \x + \xo 33:54 \xo*\xt Nonb 26:53-56\xt*\x*Nou va eritye teren an pa tiraj osò selon fanmi nou yo. Pou pi gran fanmi yo, eritaj la va vin plis, pou pi piti yo, nou va bay mwens nan eritaj la. Nenpòt lè tiraj osò a tonbe sou nenpòt fanmi, sila a va pou li. Nou va eritye pa tribi a zansèt nou yo. \p \v 55 “Men si nou pa pouse mete deyò, tout abitan peyi a devan nou, alò, li va vin rive ke sila ke nou kite pami nou yo, va \x + \xo 33:55 \xo*\xt Jos 23:13\xt*\x*vin pike zye nou. Yo va devni tankou pikan bò kote nou, e yo va twouble nou nan peyi kote nou rete a. \v 56 Epi li va rive ke sa M te anvizaje fè yo, M ap vin fè l nou.” \c 34 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre \x + \xo 34:2 \xo*\xt Jen 17:8\xt*\x*nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li. \p \v 3 \x + \xo 34:3 \xo*\xt Jos 15:1-3\xt*\x*“Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès. \v 4 Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid \x + \xo 34:4 \xo*\xt Nonb 32:8\xt*\x*Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon. \v 5 Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan \x + \xo 34:5 \xo*\xt Jos 15:4\xt*\x*lanmè. \p \v 6 “‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la. \p \v 7 \x + \xo 34:7 \xo*\xt Éz 47:15-17\xt*\x*“‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor. \v 8 Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive \x + \xo 34:8 \xo*\xt Jos 13:5\xt*\x*nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad. \v 9 Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou. \p \v 10 “‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham. \v 11 Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan \x + \xo 34:11 \xo*\xt II Wa 23:33\xt*\x*Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a \x + \xo 34:11 \xo*\xt Det 3:17\xt*\x*Lamè Kinnéreth la. \v 12 Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’” \p \v 13 Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “\x + \xo 34:13 \xo*\xt Det 11:24\xt*\x*Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo. \v 14 \x + \xo 34:14 \xo*\xt Nonb 32:33\xt*\x*Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l. \v 15 De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.” \p \v 16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 17 \x + \xo 34:17 \xo*\xt Jos 14:1-2\xt*\x*“Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan. \v 18 Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou. \p \v 19 “Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, \x + \xo 34:19 \xo*\xt Nonb 13:6-30\xt*\x*Caleb, fis a Jephaunné a. \p \v 20 “Nan tribi fis a \x + \xo 34:20 \xo*\xt Jen 29:33\xt*\x*Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la. \p \v 21 “Nan tribi \x + \xo 34:21 \xo*\xt Det 33:12\xt*\x*Benjamin an, Élidad fis a Kislon an. \v 22 Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a. \p \v 23 “Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la. \p \v 24 “Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an. \p \v 25 “Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la. \p \v 26 “Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an. \p \v 27 “Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a. \p \v 28 “Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.” \p \v 29 Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an. \c 35 \p \v 1 Alò, \x + \xo 35:1 \xo*\xt Lev 25:32-34\xt*\x*SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di: \v 2 Kòmande fis a Israël yo pou yo bay a Levit yo soti nan eritaj a posesyon pa yo vil pou Levit yo rete ladan. Konsa, nou va bay a Levit yo teren patiraj ki antoure vil yo. \v 3 Vil yo va pou yo, pou yo viv ladann. Teren pa yo va pou bèf pa yo, pou twoupo pa yo ak pou tout bèt pa yo. \p \v 4 Teren patiraj lavil ke nou te bay a Levit yo va rive soti nan miray lavil yo, pou lonje rive jis a mil (1,000) koude. \v 5 Nou va, osi, mezire deyò lavil la nan kote lès, de-mil (2,000) koude, nan kote sid, de-mil (2,000) koude, nan kote lwès, de-mil (2,000) koude, ak nan kote nò, de-mil koude, avèk vil nan mitan li an. Sa va devni pou yo kòm teren pa yo pou vil yo. \p \v 6 Vil ke nou va bay a Levit yo va \x + \xo 35:6 \xo*\xt Jos 20:7-9\xt*\x*sis vil azil kote moun ki touye moun kapab sove ale. Anplis de sa yo, nou va bay karann-de vil. \v 7 Tout vil ke nou va bay a Levit yo va \x + \xo 35:7 \xo*\xt Jos 21:41\xt*\x*karanntuit vil ansanm avèk teren patiraj pa yo. \v 8 \x + \xo 35:8 \xo*\xt Lev 25:32-34\xt*\x*Selon vil ke nou va bay soti nan posesyon a fis Israël yo, nou va pran plis nan men pi gran yo, e nou va pran mwens nan men pi piti yo. A tout selon eritaj li ke li resevwa va bay kèk nan vil pa li yo a Levit yo. \p \v 9 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 10 \x + \xo 35:10 \xo*\xt Jos 20:1-9\xt*\x*“Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou fin travèse Jourdain an pou lantre nan peyi Canaran an, \v 11 alò, nou va apwente pou nou menm \x + \xo 35:11 \xo*\xt Jos 20:1\xt*\x*vil azil nou, pou sila ki touye moun yo, san entansyon eksprè, kapab sove ale. \v 12 \x + \xo 35:12 \xo*\xt Det 19:4-6\xt*\x*Vil yo va pou nou yon refij kont vanjè yo, pou sila ki touye moun nan pa mouri jiskaske li ta vin kanpe devan kongregasyon an pou jije. \v 13 Vil ke nou bay yo va sis vil nou yo pou azil. \v 14 Nou \x + \xo 35:14 \xo*\xt Det 4:41\xt*\x*va bay twa vil lòtbò Jourdain an ak twa vil nan peyi Canaran an. Yo va sèvi kòm vil azil. \v 15 Sis vil sila yo va tankou refij pou fis Israël yo, pou etranje a ak pou sila ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun \x + \xo 35:15 \xo*\xt Nonb 35:11\xt*\x*san entansyon eksprè kapab sove ale pou rive la. \p \v 16 \x + \xo 35:16 \xo*\xt Nonb 35:31\xt*\x*“‘Men si li te frape detwi li avèk yon objè an fè, pou l ta vin mouri, li se yon asasen. Yon asasen va, anverite, vin mete a lanmò. \v 17 Si li te frape li avèk yon wòch nan men l, pou l ta vin mouri, epi li mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò. \v 18 Oswa, si li te frape li avèk yon bout bwa nan men l pou li ta mouri, e li vin mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò. \v 19 Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li. \v 20 \x + \xo 35:20 \xo*\xt Jen 4:8\xt*\x*Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li \x + \xo 35:20 \xo*\xt Egz 21:14\xt*\x*kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri, \v 21 oswa, si li te frape li avèk men l an rayisman, e li vin mouri, sila ki te frape li a va, vrèman, vin mete a lanmò. Li se yon asasen. Vanjè san an va mete asasen an a lanmò lè li rankontre li. \p \v 22 \x + \xo 35:22 \xo*\xt Nonb 35:11\xt*\x*“‘Men si li vin pouse li sibitman san rayisman, oswa li te jete yon bagay sou li san entansyon, \v 23 oswa, avèk nenpòt objè mòtèl an wòch, men san wè, li vin tonbe sou li e li vin mouri, pandan li pa t lènmi li, ni li pa t ap chache pou fè li mal, \v 24 alò, \x + \xo 35:24 \xo*\xt Jos 20:6\xt*\x*kongregasyon an va jije antre moun ki touye moun nan avèk vanjè san an, selon òdonans sa yo. \v 25 Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an. \p \v 26 “‘Men si moun ki touye moun nan sòti pi lwen ke lizyè pwòp vil azil pa li a, kote li te gen dwa sove ale a, \v 27 epi vanjè san an vin jwenn li deyò lizyè vil azil li a; epi vanjè san an touye moun ki te touye moun nan, li p ap koupab de san an, \v 28 akoz li te dwe rete nan vil azil pa li a jiskaske wo prèt la vin mouri. Men apre lanmò wo prèt la, moun ki te touye moun nan va retounen vè peyi posesyon pa li a. \p \v 29 “‘Bagay sa yo va yon \x + \xo 35:29 \xo*\xt Nonb 27:11\xt*\x*òdonans lalwa pou tout jenerasyon nou yo nan tout abitasyon nou yo. \p \v 30 \x + \xo 35:30 \xo*\xt Nonb 35:16\xt*\x*“‘Si, yon moun touye yon moun, asasen an va vin mete a lanmò sou temwayaj temwen yo, men pèsòn pa pou mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen. \p \v 31 “‘Anplis, nou pa pou pran ranson pou lavi a yon asasen ki koupab jiska lanmò. Li va, vrèman, vin mete a lanmò. \v 32 Nou pa pou pran ranson pou sila ki te sove ale nan vil azil la, pou l kab retounen viv nan peyi a avan lanmò a wo prèt la. \p \v 33 \x + \xo 35:33 \xo*\xt Sòm 106:38\xt*\x*“‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof \x + \xo 35:33 \xo*\xt Jen 9:6\xt*\x*pa san a sila ki te fè vèse san an. \v 34 Nou pa pou \x + \xo 35:34 \xo*\xt Lev 18:24\xt*\x*konwonpi peyi kote nou rete a, kote \x + \xo 35:34 \xo*\xt Nonb 5:3\xt*\x*Mwen menm rete a. Paske Mwen, SENYÈ a, Mwen ap viv pami fis Israël yo.’” \c 36 \p \v 1 \x + \xo 36:1 \xo*\xt Nonb 27:1\xt*\x*Epi chèf lakay zansèt a fis a Galaad yo, fis a Makir yo, fis a Manassé a, a zansèt a Joseph yo, te vin toupre pou te pale devan Moïse ak devan chèf yo, chèf lakay zansèt a fis Israël yo. \v 2 Yo te di: “SENYÈ a te kòmande mèt pa mwen an pou bay peyi a pa tiraj osò a fis Israël yo. E mèt mwen an \x + \xo 36:2 \xo*\xt Nonb 27:5-7\xt*\x*te kòmande pa SENYÈ a pou bay eritaj a Tselophchad la, frè nou an, bay pitit fi li yo. \v 3 Men si yo marye avèk youn nan fis nan lòt tribi fis Israël yo, eritaj yo va retire nan eritaj zansèt nou yo, e li va vin ajoute a eritaj a tribi sou sila yo vin manm nan. Konsa, l ap retire nan eritaj ki te tonbe nan dwa nou an. \v 4 Lè \x + \xo 36:4 \xo*\xt Lev 25:10\xt*\x*jibile a rive, alò, eritaj pa yo a va ajoute a eritaj tribi kote yo manm nan. Konsa, eritaj pa yo a va retire nan eritaj tribi a zansèt nou yo.” \p \v 5 Alò, Moïse te kòmande fis a Israël yo pa pawòl a SENYÈ a, e te di: “Sa ke tribi a fis Joseph yo di a se sa. \v 6 \x + \xo 36:6 \xo*\xt Nonb 27:7\xt*\x*Se sa ke SENYÈ a te kòmande konsènan fi a Tselophchad yo e te di: ‘Kite yo marye ak nenpòt moun ke yo vle; men fòk yo marye nan pwòp fanmi a tribi zansèt papa pa yo. \v 7 Konsa, \x + \xo 36:7 \xo*\xt I Wa 21:3\xt*\x*nanpwen eritaj nan fis Israël yo ki va transfere de tribi a tribi, paske fis Israël yo va chak kenbe eritaj a tribi zansèt yo. \v 8 Chak fi ki vin posede yon eritaj nan yon tribi a fis Israël yo va madanm a yon moun ki nan fanmi tribi zansèt papa li a, pou chak fis Israël yo kapab posede eritaj a zansèt pa yo. \v 9 Konsa nanpwen eritaj k ap transfere de yon tribi rive nan yon lòt tribi. Paske, tribi a fis Israël yo va chak kenbe nan pwòp eritaj pa yo.’” \p \v 10 Jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, se konsa fi a Tselophchad yo te fè: \v 11 \x + \xo 36:11 \xo*\xt Nonb 26:33\xt*\x*Machla, Thirtsa, Hogla, Milca, ak Noa, fi a Tselophchad yo, yo te marye avèk fis a tonton yo. \v 12 Yo te marye sa yo soti nan fanmi a fis a Manassé yo, fis a Joseph la, e eritaj yo te rete avèk tribi a fanmi zansèt papa yo. \p \v 13 \x + \xo 36:13 \xo*\xt Lev 26:46\xt*\x*Sa yo se kòmandman ak règleman ke SENYÈ a te kòmande a fis Israël yo pa Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.