\id NEH \ide UTF-8 \h Néhémie \toc1 NÉHÉMIE \toc2 Néhémie \toc3 Né \mt1 NÉHÉMIE \c 1 \p \v 1 Pawòl a \x + \xo 1:1 \xo*\xt Né 10:1\xt*\x* Néhémie yo, fis Hacalia a. \p Alò, sa te fèt nan mwa Kisleu a, nan ventyèm ane a, pandan mwen te nan kapital \x + \xo 1:1 \xo*\xt Est 1:2\xt*\x*Suse la, \v 2 ke \x + \xo 1:2 \xo*\xt Né 7:2 \xt*\x* Hanani, youn nan frè mwen yo, e kèk nan mesye ki soti Juda yo te vini. Mwen te mande yo sou Jwif yo ki te chape, e ki te reziste malgre kaptivite a, epi sou Jérusalem. \v 3 Yo te di mwen: “Retay ki la nan pwovens lan, ki te chape e ki te reziste malgre kaptivite a nan gwo pwoblèm ak dezolasyon. Miray Jérusalem nan kraze nèt e pòtay li yo fin brile ak dife.” \p \v 4 Lè m te tande pawòl sila yo, \x + \xo 1:4 \xo*\xt Esd 9:3\xt*\x* mwen te chita la, mwen te kriye e fè gwo plent pandan kèk jou; epi mwen t ap fè jèn avèk lapriyè devan Bondye syèl la. \v 5 Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, \x + \xo 1:5 \xo*\xt Né 4:14\xt*\x* Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, \v 6 ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou \x + \xo 1:6 \xo*\xt És 10:1\xt*\x* konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche. \v 7 \x + \xo 1:7 \xo*\xt Dan 9:5\xt*\x* Nou te byen konwonpi nan zak nou te fè kont Ou yo, e nou pa t kenbe kòmandman yo, règleman yo, òdonans yo, ke ou te kòmande a sèvitè Ou a, Moïse. \p \v 8 “Sonje pawòl ke Ou te kòmande sèvitè Ou a, Moïse, lè Ou te di: \x + \xo 1:8 \xo*\xt Lev 26:33\xt*\x* ‘Si nou pa fidèl, Mwen va gaye nou pami pèp yo; \v 9 \x + \xo 1:9 \xo*\xt Det 30:2\xt*\x*men si nou retounen kote Mwen, kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo, malgre sila nan nou ki te gaye nan zòn pi izole nan syèl yo, Mwen va ranmase yo soti la, pou mennen yo rive nan plas kote Mwen te chwazi pou non Mwen te abite a.’ \p \v 10 \x + \xo 1:10 \xo*\xt Egz 32:11\xt*\x* “Yo se sèvitè Ou e pèp Ou ke Ou te rachte pa gran pouvwa Ou, ak men pwisan Ou. \v 11 O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” \p Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a. \c 2 \p \v 1 Li te vin rive nan mwa Nisan an, nan ventyèm ane a Wa Artaxerxès la, ke te gen diven devan li e mwen te monte pote diven an e te bay li a wa a. Alò, mwen pa t janm konn tris nan prezans li konsa. \v 2 Konsa, wa a te di mwen: “Poukisa figi ou tris konsa, malgre ou pa malad? \x + \xo 2:2 \xo*\xt Pwov 15:13\xt*\x* Sa pa mwens ke tristès kè.” \p Konsa, mwen te krent anpil. \v 3 Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris \x + \xo 2:3 \xo*\xt Né 1:3\xt*\x* lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?” \p \v 4 Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?” \x + \xo 2:4 \xo*\xt Né 1:4\xt*\x* \p Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la. \v 5 Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.” \p \v 6 \x + \xo 2:6 \xo*\xt Né 13:6\xt*\x* Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?” \p Konsa, sa te fè wa a plezi pou voye mwen, e mwen te bay li yon lè jis. \v 7 Anplis mwen te di wa a: “Si sa fè wa a plezi, kite lèt bay a mwen \x + \xo 2:7 \xo*\xt Esd 7:21\xt*\x* pou gouvènè nan pwovens yo lòtbò rivyè a, pou yo kapab kite mwen pase ladann yo jiskaske mwen rive Juda; \v 8 anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a \x + \xo 2:8 \xo*\xt Né 7:2\xt*\x* fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” \p Wa a te ban m tout sa akoz \x + \xo 2:8 \xo*\xt Esd 7:6\xt*\x*bon men Bondye mwen an te sou mwen. \v 9 Mwen te rive kote gouvènè nan pwovens lòtbò rivyè yo, e te bay yo lèt a wa a. Alò, \x + \xo 2:9 \xo*\xt Esd 8:22\xt*\x* wa a te voye mwen avèk chèf lame yo ak chevalye yo. \v 10 Lè \x + \xo 2:10 \xo*\xt Né 2:19\xt*\x* Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo. \p \v 11 Konsa, mwen te \x + \xo 2:11 \xo*\xt Egz 8:32\xt*\x* vini Jérusalem, e mwen te la pandan twa jou. \v 12 Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a. \v 13 Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote \x + \xo 2:13 \xo*\xt Né 3:13\xt*\x* Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife. \v 14 Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk \x + \xo 2:14 \xo*\xt II Wa 20:20\xt*\x* Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase. \v 15 Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa \x + \xo 2:15 \xo*\xt Jn 18:1\xt*\x* ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen. \v 16 Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo. \p \v 17 Konsa mwen te di yo: “Nou wè move ka nou an, ke \x + \xo 2:17 \xo*\xt Né 1:3\xt*\x* Jérusalem dezole e pòtay li yo fin brile pa dife? Vini, annou rebati miray Jérusalem nan pou nou pa parèt kon yon wont ankò.” \v 18 Mwen te pale yo jan men Bondye mwen an te ban m favè e anplis, pawòl ke wa a te pale mwen yo. \p Yo te di: “Annou leve pou bati.” \x + \xo 2:18 \xo*\xt II Sam 2:7\xt*\x*Konsa, yo te mete men yo nan bon èv sila a. \p \v 19 Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? \x + \xo 2:19 \xo*\xt Né 6:6\xt*\x* Èske nou ap fè rebèl kont wa a?” \p \v 20 Konsa, mwen te reponn yo epi te di yo: “Bondye syèl la va fè nou reyisi. Se akoz sa a, sèvitè li yo va leve pou bati. \x + \xo 2:20 \xo*\xt Esd 4:3\xt*\x* Men nou menm, nou p ap gen pòsyon, ni dwa, ni souvni nan Jérusalem.” \c 3 \p \v 1 Epi Éliaschib, wo prèt la, te leve avèk frè li yo, prèt yo pou te bati Pòtay Mouton an. Yo te konsakre li e te kwoke pòt li yo. Yo te konsakre miray depi nan \x + \xo 3:1 \xo*\xt Né 12:39\xt*\x* tou Méa yo jis rive nan \x + \xo 3:1 \xo*\xt Jr 31:38 \xt*\x*tou Hananeel la. \v 2 Akote li, \x + \xo 3:2 \xo*\xt Né 7:36\xt*\x* mesye Jéricho yo te bati, e akote li, Zaccur, fis a Imri a te bati. \p \v 3 Alò, fis a Senna yo te bati \x + \xo 3:3 \xo*\xt Né 12:39\xt*\x* Pòtay Pwason an. Yo te poze travès li yo, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè. \v 4 Akote yo, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te fè reparasyon yo. Epi akote li, Meschullam, fis a Bérékia a, fis a Meschézabeel la, te fè reparasyon yo. Akote li, Tsadok, fis a Baana a, te fè reparasyon yo. \v 5 Anplis, akote li, Tekoyit yo te fè reparasyon yo, men chèf prensipal pa yo a pa t bay soutyen a mèt ouvriye yo. \p \v 6 Jojada, fis a Paséach la avèk Meschullam, fis a Besodia a te repare \x + \xo 3:6 \xo*\xt Né 12:39\xt*\x* Pòtay ansyen an. Yo te poze travès li yo, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè. \v 7 Akote yo, Melatia, Gabonit lan, e Jadon, Mewonotit la, avèk mesye Gabaon avèk Mitspa, osi te fè reparasyon yo kon reprezantan \x + \xo 3:7 \xo*\xt Né 2:7\xt*\x*gouvènè pwovens lòtbò rivyè a. \v 8 Akote li, Uzziel, fis a Harhaja a, òfèv la, te fè reparasyon yo. Epi akote li, Hanania, youn nan sila ki fè pafen yo, te fè reparasyon yo, e yo te restore Jérusalem jis rive nan \x + \xo 3:8 \xo*\xt Né 12:38\xt*\x* Gran Miray la. \v 9 Akote yo, Rephaja, fis a Hur la, chèf a mwatye nan distrik Jérusalem nan, te fè reparasyon yo. \v 10 Akote yo, Jedaja, fis a Harumaph la, te fè reparasyon anfas lakay li a. Epi akote li, Hattusch, fis a Haschabnia a, te fè reparasyon yo. \v 11 Malkija, fis a Harim nan avèk Haschub, fis a Pachath-Moab la, te fè yon lòt pati, avèk \x + \xo 3:11 \xo*\xt Né 12:38\xt*\x* Wo Tou Founo yo. \v 12 Akote li, Schallum, fis a Hallochesch la, \x + \xo 3:12 \xo*\xt Né 3:9\xt*\x* chèf a mwatye nan distrik Jérusalem nan te fè reparasyon yo ansanm avèk fi li yo. \p \v 13 Hanun avèk moun ki te rete Zanoach yo te repare \x + \xo 3:13 \xo*\xt Né 2:13\xt*\x* Pòtay Vale a. Yo te bati li e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè e te fè mil koude nan miray la vè Pòtay Fimye a. \p \v 14 Malkija, fis a Récab la, chèf \x + \xo 3:14 \xo*\xt Jr 6:1\xt*\x*Beth-Hakkérem nan, te repare Pòtay Fimye a. Li te bati li, e te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè. \p \v 15 Schallun, fis a Col-Hozé a, chèf nan distrik Mitspa a, te repare Pòtay Sous Bwote a. Li te bati li, te kouvri li, te kwoke pòt li yo avèk boulon ak ba fè, avèk miray kote Etan Siloé a toupre\x + \xo 3:15 \xo*\xt II Wa 25:4\xt*\x* jaden a wa a jis rive kote mach pye eskalye ki te desann soti lavil David la. \v 16 Apre li menm, Néhémie, fis a Azbuk la, chèf a mwatye distri Beth-Tsur a te fè reparasyon yo jis rive anfas tonm a David yo, rive jis nan \x + \xo 3:16 \xo*\xt II Wa 20:20\xt*\x*etan fèt a lamen avèk kay a mesye vanyan yo. \v 17 Apre li, Levit yo te kontinye reparasyon yo anba Rehum, fis a Bani a. Akote li menm, Haschabia, chèf a mwatye distrik Keïla a, te fè reparasyon yo pou distri pa li a. \v 18 Apre li, frè pa yo te fè reparasyon yo anba Bavvaï, fis a Hénadad la, chèf a lòt mwatye distri a Keïla a. \v 19 Akote li Ézer, fis a Josué a, chèf a Mitspa a, te repare yon lòt pòsyon devan pant asnal la, nan \x + \xo 3:19 \xo*\xt II Kwo 26:9 \xt*\x* ang lan. \v 20 Apre li Baruc, fis a Zabbaï a te repare avèk gwo kouraj, yon lòt pòsyon soti nan ang lan jis rive devan pòt a Éliaschib la, wo prèt la. \v 21 Apre li menm, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te repare yon lòt pòsyon soti nan pòtay lakay Éliaschib la, jis rive nan dènye pwent lakay Éliaschib la. \v 22 Apre li, prèt yo \x + \xo 3:22 \xo*\xt Né 12:28\xt*\x*mesye a vale yo te reyisi fè reparasyon yo. \v 23 Apre yo menm, Benjamin avèk Haschub te fè reparasyon yo devan lakay pa yo. Apre yo, Azaria, fis a Maaséja a, fis a Anania a, te fè reparasyon yo devan lakay pa li. \v 24 Apre li Binnuï, fis a Hénadad la, te repare yon lòt pòsyon soti lakay Azaria, jis rive nan \x + \xo 3:24 \xo*\xt Né 3:19\xt*\x* ang lan, jis rive nan kwen an. \v 25 Palal, fis a Uzaï a te fè reparasyon yo devan ang lan avèk fò ki te parèt soti anwo kote lakay wa a, ki akote lakou gad la. Apre li, Pedaja, fis a Pareosch la, te fè reparasyon yo. \v 26 Sèvitè tanp ki te rete nan landwa Fimye yo te fè reparasyon yo jis pa devan \x + \xo 3:26 \xo*\xt Né 11:21\xt*\x*Pòtay Dlo a vè lès avèk fò pwolonje a. \v 27 Apre yo menm, \x + \xo 3:27 \xo*\xt Né 3:5\xt*\x* Tekoyit yo te repare yon lòt pati pa devan wo fò pwolonje a jis rive nan miray Fimye a. \p \v 28 Piwo \x + \xo 3:28 \xo*\xt II Kwo 23:15\xt*\x*Pòtay Cheval la, prèt yo te reyisi fè reparasyon pa yo, yo chak devan pwòp kay pa yo. \v 29 Apre yo menm, Tsadok, fis Immer a, te fè reparasyon yo devan lakay li. Epi apre li, Schemaeja, fis a Schecania a, gadyen Pòtay lès la te fè reparasyon yo. \v 30 Apre li, Hanania, fis a Schélémia a e Hanun, sizyèm fis a Tsalaph la, te repare yon lòt pati. Apre li, Meschullam, fis Békékia te travay anfas pwòp chanm li. \v 31 Apre li menm, Malkija, youn nan \x + \xo 3:31 \xo*\xt Né 3:8-22\xt*\x* òfèv yo, te fè reparasyon yo jis rive nan kay sèvitè tanp yo ak machann yo devan Pòtay Enspeksyon an, e jis rive nan wo chanm kwen an. \v 32 Antre wo chanm nan kwen an ak \x + \xo 3:32 \xo*\xt Né 3:1\xt*\x* Pòtay Mouton yo, òfèv yo avèk machann yo te fè reparasyon yo. \c 4 \p \v 1 Alò, li te vin rive ke lè \x + \xo 4:1 \xo*\xt Né 2:10\xt*\x*Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo. \v 2 Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: “Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?” \p \v 3 Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: “Menm sa y ap bati, \x + \xo 4:3 \xo*\xt Lam 5:18\xt*\x* si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!” \p \v 4 Tande, O Bondye pa nou an, kijan nou meprize! Fè repwòch pa yo \x + \xo 4:4 \xo*\xt Sòm 79:12\xt*\x* retounen sou pwòp tèt yo, e livre yo pou yo ta vin piyaje nan yon peyi an kaptivite. \v 5 Pa \x + \xo 4:5 \xo*\xt Sòm 69:27\xt*\x*padone inikite yo, e pa kite peche yo efase devan Ou, paske yo te dekouraje ouvriye ki t ap bati yo. \p \v 6 Konsa, nou te bati miray la, e tout miray la te jwenn ansanm jis rive nan mwatye wotè li, paske pèp la te gen tèt ansanm pou travay la. \p \v 7 Alò, lè Sanballat, Tobija, Arab yo, Amonit ak Ashdodit yo te tande ke reparasyon miray Jérusalem yo te kontinye, e ke brèch yo te kòmanse fèmen yo te byen fache. \v 8 Yo tout ansanm te \x + \xo 4:8 \xo*\xt Sòm 83:3\xt*\x* fè konplo pou vin goumen kont Jérusalem, e pou fè zen ladann. \v 9 Men nou te priye a Bondye nou an e akoz yo menm, nou te \x + \xo 4:9 \xo*\xt Né 4:11\xt*\x* plase yon gad pou anpeche yo lajounen kon lannwit. \v 10 Konsa, nan Juda yo t ap di: \q1 “Fòs a sila ki pote chaj yo ap febli, \q1 Malgre, toujou gen anpil fatra; \q1 Epi nou menm pou kont nou, \q1 P ap kab rebati miray la.” \p \v 11 Lènmi nou yo t ap di: “Yo p ap konnen ni wè jiskaske nou vini pami yo, touye yo e mete fen nan travay la.” \p \v 12 Lè Jwif ki te rete toupre yo te vin kote nou dis fwa epi te di nou: “Yo va vini kont nou soti tout kote ke nou kab vire,” \p \v 13 Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo. \v 14 Lè m te wè ke yo te pè, mwen te leve pale avèk gwo moun yo, chèf yo ak tout lòt moun yo: “Pa pè yo; sonje Senyè a gran e mèvèye. \x + \xo 4:14 \xo*\xt II Sam 10:12\xt*\x*Goumen pou frè nou yo, fis nou yo, fi nou yo, madanm nou yo ak lakay nou yo.” \p \v 15 Lè lènmi nou yo te tande ke afè yo te rekonèt pa nou, e ke \x + \xo 4:15 \xo*\xt II Sam 17:14\xt*\x*Bondye te jennen plan yo; alò, nou tout te retounen kote miray la, chak moun nan pwòp travay li. \v 16 Depi jou sa a, mwatye nan sèvitè mwen yo te fè travay la, e lòt mwatye a te kenbe lans yo, boukliye pwotèj yo, banza yo ak pwotèj lestomak yo. Epi kapitèn yo te dèyè lakay Juda a. \v 17 Sila ki t ap rebati miray la avèk sila ki te pote chaj yo te pran chaj yo nan yon men pou fè travay la e te kenbe yon zam nan lòt men an. \v 18 Epi pou sila ki t ap bati yo, chak moun te mete yon nepe senti nan ren li pandan li t ap bati a, e mesye twonpèt la te rete toupre mwen. \v 19 Mwen te pale ak gwo moun yo, chèf yo, ak tout lòt moun yo: “Travay la gran e vast e nou se separe sou miray la de yon lwen a yon lòt. \v 20 Nenpòt kote ke nou tande twonpèt la, vin rive kote nou la a. \x + \xo 4:20 \xo*\xt Egz 14:14\xt*\x*Bondye nou an va goumen pou nou.” \p \v 21 Konsa, nou te kontinye travay la avèk mwatye nan yo ki te kenbe lans yo soti nan maten jis rive lè zetwal yo te vin parèt. \v 22 Nan lè sa a, mwen te di pèp la ankò: “Kite chak mesye yo ansanm avèk sèvitè li pase nwit lan Jérusalem pou yo kab fè yon bon gad pou nou pandan nwit lan, e sèvi kon yon ouvriye nan lajounen.” \v 23 Konsa, ni mwen menm, ni frè m yo, sèvitè mwen yo, ni mesye nan gad ki te swiv mwen yo, okenn pa t rete rad yo, chak moun te pote zam li, menm lè yo ale chache dlo. \c 5 \p \v 1 Alò, te gen yon gwo kriye a moun sa yo avèk madanm pa yo \x + \xo 5:1 \xo*\xt Lev 25:35\xt*\x* kont frè Jwif parèy yo. \v 2 Paske te gen nan yo ki te di: “Nou menm, fis nou yo avèk fi nou yo anpil; pou sa, kite nou \x + \xo 5:2 \xo*\xt Ag 1:6\xt*\x*jwenn sereyal pou nou kab manje e viv.” \v 3 Te gen lòt ki te di: “Nou ap prete kòb kont chan nou yo, chan rezen yo, avèk kay nou yo pou nou kab twouve sereyal pou nou manje akoz gwo grangou a.” \v 4 Anplis, te gen ki te di: “Nou te prete lajan kont chan nou avèk chan rezen nou yo \x + \xo 5:4 \xo*\xt Esd 4:13\xt*\x* pou peye taks a wa a sou chan avèk chan rezen yo. \v 5 Alò, chè nou se menm ak chè a frè nou yo, pitit pa nou yo kon pa yo. Sepandan, \x + \xo 5:5 \xo*\xt Lev 25:39\xt*\x* nou ap fòse fè fis nou yo avèk fi nou yo vin esklav, gen nan yo ki deja mare ladann e nou san sekou, akoz chan nou avèk chan rezen nou yo vin pou yon lòt moun.” \p \v 6 Epi mwen te byen \x + \xo 5:6 \xo*\xt Egz 11:8\xt*\x* fache lè mwen te tande kriye ak pawòl sila yo. \v 7 Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: \x + \xo 5:7 \xo*\xt Lev 25:36\xt*\x*“Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo. \v 8 Mwen te di yo: “Nou menm, selon kapasite nou, te rachte Jwif frè parèy nou yo ki te vann a lòt nasyon yo; alò koulye a, èske nou ta menm vann frè nou yo pou yo ta kab vin vann a nou menm?” Yo te rete an silans e pa t kab twouve yon pawòl pou pale. \v 9 Ankò, mwen te di: “Bagay ke n ap fè a pa bon! Èske nou pa ta dwe mache nan lakrent Bondye nou an pou evite repwòch a lòt nasyon yo, lènmi nou yo? \v 10 Epi anplis, mwen menm ak frè mwen yo ap prete yo lajan avèk sereyal. Souple, sispann mande enterè sa a. \v 11 Souple, remèt yo nan menm jou sa a, chan yo, chan rezen yo, chan oliv yo, avèk kay yo, avèk santyèm pati nan lajan, nan sereyal, diven nèf, avèk lwil ke nou ap egzije de yo.” \p \v 12 Epi yo te di: “Nou va remèt li e nou p ap mande yo anyen. N ap fè ojis tout sa ke ou di yo.” \p Konsa, mwen te rele prèt yo e te \x + \xo 5:12 \xo*\xt Esd 10:5\xt*\x* pran yon sèman soti nan yo pou yo ta fè selon sa ke yo te pwomèt yo. \v 13 \x + \xo 5:13 \xo*\xt Trav 18:6\xt*\x* Anplis, mwen te souke pati devan vètman mwen epi te di; “Se konsa ke Bondye ta souke retire sou chak moun oswa se lakay li, oswa byen pa li, sila ki pa akonpli pwomès sa a; menm konsa pou l ta souke vide.” \p Epi tout asanble a te di: “Amen!” Epi yo te fè lwanj a SENYÈ a. Konsa, pèp la te fè selon sa yo te pwomèt yo. \p \v 14 Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan \x + \xo 5:14 \xo*\xt Né 13:5\xt*\x* trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a. \v 15 \x + \xo 5:15 \xo*\xt Né 5:9\xt*\x* Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye. \v 16 Anplis, mwen te aplike mwen a travay sou miray la. Nou pa t achte okenn teren e sèvitè pa m yo te toujou rasanble la pou travay la. \v 17 Toujou te gen sou tab mwen san-senkant Jwif avèk chèf yo, anplis, sila ki te vin kote nou soti nan nasyon ki te antoure nou yo. \v 18 Alò, \x + \xo 5:18 \xo*\xt I Wa 4:22-23\xt*\x* sa ki te prepare chak jou yo se te yon gwo bèf avèk sis mouton nan meyè kalite, zwazo ki te prepare pou mwen; epi yon fwa chak di jou, tout kalite diven an abondans. Men pou tout sa, mwen pa t mande nan taks prevwa pou gouvènè a, akoz chaj la te lou sou pèp sa a. \v 19 \x + \xo 5:19 \xo*\xt Né 13:14-23\xt*\x* Sonje mwen, O Bondye mwen avèk bonte Ou, pou tout sa ke m te fè pou pèp sa a. \c 6 \p \v 1 Alò, lè l te rapòte a Sanballat, Tobija, Guéschem, Arab la, avèk lòt lènmi nou yo, ke mwen te rebati miray la e ke pa t gen brèch ankò ladann; \x + \xo 6:1 \xo*\xt Né 3:1-3\xt*\x* malgre nan moman sa a, nou potko monte pòt nan pòtay yo, \v 2 Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn \x + \xo 6:2 \xo*\xt I Kwo 8:12\xt*\x* Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m. \p \v 3 Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?” \p \v 4 Yo te voye kote mwen kat fwa konsa e mwen te reponn yo menm jan an. \v 5 Konsa, Sanballat te voye sèvitè li kote mwen yon senkyèm fwa avèk yon lèt ouvri nan men l. \v 6 Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke \x + \xo 6:6 \xo*\xt Né 2:19\xt*\x* ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo. \v 7 Anplis ke ou te chwazi pwofèt Jérusalem yo pou fè pwoklamasyon pou ou menm, pou ‘Yon wa nan Juda!’ Konsa, yon rapò va voye kote wa a sou rapò sila yo. Pou sa a, vin kounye a, pou nou fè konsèy ansanm.” \p \v 8 Konsa, mwen te voye kote li. Mwen te di: “Kalite bagay sa yo ke w ap pale yo, pa t janm fèt, men w ap \x + \xo 6:8 \xo*\xt Job 13:4\xt*\x* envante yo nan pwòp panse ou.” \v 9 Paske, yo tout t ap eseye fè nou pè e t ap reflechi: “Yo va vin dekouraje avèk travay la, e li p ap fèt.” Men koulye a, \x + \xo 6:9 \xo*\xt Sòm 138:3\xt*\x* O Bondye ranfòse men m. \p \v 10 Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, \x + \xo 6:10 \xo*\xt Jr 36:5\xt*\x* ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit la pou touye ou.” \p \v 11 Men mwen te di: \x + \xo 6:11 \xo*\xt Pwov 28:1\xt*\x* “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.” \v 12 Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li. \v 13 Li te anplwaye li pou rezon sa a; \x + \xo 6:13 \xo*\xt Né 6:6\xt*\x* pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen. \v 14 \x + \xo 6:14 \xo*\xt Né 13:29\xt*\x* Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo. \p \v 15 Konsa, \x + \xo 6:15 \xo*\xt Né 4:1-2\xt*\x* miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou. \v 16 Lè tout lènmi nou yo te tande e tout nasyon ki antoure nou yo, te wè, yo te pèdi kouraj, paske \x + \xo 6:16 \xo*\xt Egz 14:25\xt*\x* yo te rekonèt ke travay sa a te fèt avèk èd Bondye pa nou an. \v 17 Anplis, nan jou sa yo, anpil lèt te sòti nan gwo moun a Juda yo bay Tobija e lèt Tobija yo te rive kote yo. \v 18 Paske anpil nan yo te mare pa sèman ak li menm, paske li te bofis a Schecania, fis a Arach la e fis pa li a, Jochanan te marye ak fi a Meschullam nan, fis a Bérékia a. \v 19 Anplis, yo t ap pale afè bon zèv li nan prezans mwen e te bay li rapò a pawòl mwen yo. \c 7 \p \v 1 Alò, lè \x + \xo 7:1 \xo*\xt Né 6:1-15\xt*\x* miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi. \v 2 Anplis, mwen te mete \x + \xo 7:2 \xo*\xt Né 1:2\xt*\x* Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun. \v 3 Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.” \p \v 4 Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati. \p \v 5 \x + \xo 7:5 \xo*\xt Pwov 2:6\xt*\x* Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan kè m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an: \p \v 6 \x + \xo 7:6 \xo*\xt Esd 2:1-70\xt*\x* Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li; \v 7 moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana. \p Kantite mesye nan pèp Israël yo: \li1 \v 8 Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz. \li1 \v 9 Fis a Schephathia yo, twa-san-senkant-de. \li1 \v 10 Fis a Arach yo, sis-san-senkant-de. \li1 \v 11 Fis a Pachath-Moab yo, fis a Josué yo avèk Joab, de-mil-ui-san-dizwit. \li1 \v 12 Fis a Élam yo, mil-de-san-senkant-kat. \li1 \v 13 Fis a Zatthu yo, ui-san-karann-senk. \li1 \v 14 Fis a Zaccaï yo, sèt-san-swasant. \li1 \v 15 Fis a Binnuï yo, sis-san-karann-tuit. \li1 \v 16 Fis a Bébaï yo, sis-san-venn-tuit \li1 \v 17 Fis a Azgad yo, de-mil-twa-san-venn-de. \li1 \v 18 Fis a Adonikam yo, sis-san-swasann-sèt. \li1 \v 19 Fis a Bigvaï yo, de-mil-swasann-sèt. \li1 \v 20 Fis a Adin yo, Sis-san-senkann-senk. \li1 \v 21 Fis a Ather yo, nan fanmi Ézéchias, katra-ven-di-zuit. \li1 \v 22 Fis a Haschum yo, twa-san-venn-tuit. \li1 \v 23 Fis a Betsaï yo, twa-san-venn-tuit. \li1 \v 24 Fis a Hariph yo, san-douz. \li1 \v 25 Fis a Gabaon yo, katre-ven-kenz. \li1 \v 26 Mesye a Bethléem yo avèk Netopha, san-katre-ven-uit. \li1 \v 27 Mesye a Anathoth yo, san-venn-tuit. \li1 \v 28 Mesye a Beth-Azmaveth yo, karann-de. \li1 \v 29 Mesye a Kirjath-Jearim yo, a Kephira, avèk Beéroth, sèt-san-karann-twa. \li1 \v 30 Mesye a Rama yo avèk Guéba, sis-san-ven-te-yen. \li1 \v 31 Mesye nan Micmas yo, san-venn-de. \li1 \v 32 Mesye nan Béthel avèk Aï yo, san-venn-twa. \li1 \v 33 Mesye nan lòt Nebo yo, san-karann-de. \li1 \v 34 Fis a lòt Élam yo, mil-de-san-senkann-kat. \li1 \v 35 Fis a Harim yo, twa-san-ven. \li1 \v 36 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk. \li1 \v 37 Fis a Lod, Hadid avèk Ono yo, sèt-san-ven-te-yen. \li1 \v 38 Fis a Senaa yo, twa-mil-nèf-san-trant. \li1 \v 39 Prèt yo: fis a Jedaeja lakay Josué yo, nèf-san-swasann-trèz. \li1 \v 40 Fis a Immer yo, mil-senkann-de. \li1 \v 41 Fis a Paschhur yo, mil-de-san-karann-sèt. \li1 \v 42 Fis a Harim yo, mil-di-sèt. \li1 \v 43 Levit yo: fis a Josué ak Kadmiel yo, avèk fis a Hodeva yo, swasann-katòz. \li1 \v 44 Chantè yo: fis a Asaph yo, san-karann-tuit. \li1 \v 45 Gadyen pòtay yo: fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thaimon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo, fis a Schobaï yo, san-trann-tuit. \p \v 46 Sèvitè tanp yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, fis a Thabbaoth yo. \v 47 Fis a Kéros yo, fis a Sia yo, fis a Padon yo. \v 48 Fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Salmaï yo. \v 49 Fis a Hanan yo, fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo. \v 50 Fis a Reaja yo, fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo. \v 51 Fis a Gazzam yo, fis a Uzza yo, fis a Paséach yo. \v 52 Fis a Bésaï yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephischsim yo. \v 53 Fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo. \v 54 Fis a Batslith yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo, \v 55 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo, \v 56 fis a Netsiach yo, fis a Hathipha yo. \p \v 57 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Perida yo. \v 58 Fis a Jaaia yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo. \v 59 Fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatsebaïm yo, fis a Amon yo. \v 60 Tout sèvitè tanp yo avèk fis a sèvitè Salomon yo, twa-san-katre-ven-douz. \p \v 61 Sila yo se te yo menm ki te monte soti Tel-Melah yo, Tel-Harsha, Cherub, Addon e Immer yo, men yo pa t kab bay prèv lakay papa zansèt pa yo, pou demontre ke se Izrayelit yo te ye: \li1 \v 62 fis a Delaiah yo, fis a Tobiah yo, fis a Nekoda yo, sis-san-karann-de. \li1 \v 63 Nan prèt yo: fis a Hobaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran kon madanm youn nan fis a Barzillaï yo, Galaadit la e te rele selon non pa yo. \p \v 64 Sila yo te fè rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab fè sèvis kon prèt. \v 65 Gouvènè a te pale yo ke yo pa t pou manje soti nan bagay sen pase tout lòt bagay yo, jiskaske yon prèt vin leve avèk \x + \xo 7:65 \xo*\xt Egz 28:30\xt*\x* Ourim avèk Thoumim nan. \p \v 66 Asanble a an antye te karann-de-mil-twa-san-swasant moun, \v 67 anplis, sèvitè avèk sèvant pa yo, sou sila yo te gen sèt-mil-twa-san-trann-sèt moun; epi yo te gen de-san-karann-senk gason avèk fanm nan chantè yo. \v 68 \x + \xo 7:68 \xo*\xt Esd 2:66\xt*\x* Cheval pa yo te sèt-san-trann-sis; milèt yo, de-san-karann-senk; \v 69 chamo yo, kat-san-trann-senk, bourik yo, si-mil-sèt-san-ven. \p \v 70 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te fè don pou travay la. \x + \xo 7:70 \xo*\xt Né 7:65\xt*\x*Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an lò, senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo. \v 71 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te bay nan trezò travay la ven-mil ons an lò ak de-mil-de-san min an ajan. \v 72 Sa ki te bay pa tout lòt moun nan pèp la te ven-mil ons an lò, ak de-mil min an ajan, avèk swasann-sèt nan vètman prèt. \p \v 73 Alò, \x + \xo 7:73 \xo*\xt I Kwo 9:2\xt*\x* prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo. \p Lè setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo. \c 8 \p \v 1 Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen \x + \xo 8:1 \xo*\xt II Kwo 34:15\xt*\x* liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la. \v 2 Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, \x + \xo 8:2 \xo*\xt Lev 23:24\xt*\x* nan premye jou nan setyèm mwa a. \v 3 \x + \xo 8:3 \xo*\xt Né 8:1\xt*\x* Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a. \v 4 Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam. \v 5 Esdras te ouvri liv la devan zye tout pèp la, paske li te kanpe pi wo ke tout pèp la. Lè li te ouvri li, tout pèp la \x + \xo 8:5 \xo*\xt Jij 3:20\xt*\x* te kanpe. \v 6 Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a. \p Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. \x + \xo 8:6 \xo*\xt Egz 4:31 \xt*\x* Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè. \v 7 Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas. \v 8 Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a. \p \v 9 Néhémie, ki te gouvènè a ak Esdras, prèt la ak skrib, avèk Levit ki te enstwi pèp la, te di a tout pèp la: \x + \xo 8:9 \xo*\xt Né 8:2\xt*\x* “Jou sa a sen a SENYÈ a, Bondye nou an. \x + \xo 8:9 \xo*\xt Det 12:7-12\xt*\x*Pa fè dèy, ni pa kriye.” Paske, tout pèp la t ap kriye lè yo te tande pawòl lalwa yo. \v 10 Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e \x + \xo 8:10 \xo*\xt Det 26:11-13\xt*\x* voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.” \p \v 11 Konsa, Levit yo te kalme tout pèp la, epi te di: “Rete kalm, paske jou a sen. Pa fè doulè.” \p \v 12 Tout pèp la te Soti pou manje, bwè e voye bay pòsyon pou selebre yon gwo fèt, \x + \xo 8:12 \xo*\xt Né 8:7-8\xt*\x* akoz yo te konprann pawòl ke yo te fenk tande. \p \v 13 Nan dezyèm jou fèt la, tout chèf zansèt a tout pèp la, prèt yo ak Levit yo te rasanble kote Esdras, skrib la, pou yo ta kab ranmase konesans nan pawòl lalwa yo. \v 14 Yo te twouve ekri nan lalwa a jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse ke fis Israël yo \x + \xo 8:14 \xo*\xt Lev 23:34-42\xt*\x* ta dwe viv nan tonèl pandan fèt setyèm mwa a. \v 15 Konsa, yo te fè pwoklamasyon an, e te pwoklame li nan tout vil pa yo ak Jérusalem. Yo te di: \x + \xo 8:15 \xo*\xt Lev 23:40\xt*\x* “Ale deyò vè ti mòn yo e pote branch oliv yo, avèk branch oliv mawon yo, branch bwa bazilik yo, branch palmis yo, avèk branch nan lòt kalite bwa ak fèy, pou fè tonèl yo, jan sa ekri a.” \p \v 16 Pou sa, pèp la te sòti e te pote yo pou fè tonèl yo pou yo menm, chak nan twati pla anwo kay pa yo, oswa nan lakou yo, nan lakou lakay Bondye a, nan plas kote Pòtay Dlo a, e nan plas kote Pòtay Ephraïm nan. \v 17 Tout asanble a sila ki te retounen soti an kaptivite yo te fè tonèl yo, e te rete ladann yo. Fis Israël yo, \x + \xo 8:17 \xo*\xt II Kwo 7:8\xt*\x* anverite, pa t konn fè sa depi nan jou a Josué yo, fis a Nun nan, jis rive nan jou sa a. Epi te gen gwo rejwisans. \v 18 \x + \xo 8:18 \xo*\xt Det 31:11\xt*\x* Li te li soti nan liv lalwa a chak jou, soti nan premye jou a, jis rive nan dènye jou a. Yo te selebre fèt la pandan sèt jou, e nan uityèm jou a, te gen yon asanble solanèl selon òdonans lan. \c 9 \p \v 1 Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble \x + \xo 9:1 \xo*\xt Esd 8:23\xt*\x* fè jèn abiye ak twal sak ak \x + \xo 9:1 \xo*\xt I Sam 4:12\xt*\x*tè yo mete sou yo. \v 2 Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo. \v 3 Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a. \v 4 \x + \xo 9:4 \xo*\xt Né 8:7\xt*\x* Alò, sou etaj, Levit yo te kanpe Jousé, Bani, Dadmiel, Schebania, Bunni, Schérébia, Bani avèk Kenani. Yo t ap kriye ak vwa fò anlè a SENYÈ a, Bondye yo a. \p \v 5 Konsa, Levit yo, Josué, Kadmiel, Bani, Haschabnia, Schérébia, Hodija, Schebania, avèk Pethachja te di: “Leve pou beni SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan! O ke non Ou ki se leve wo sou tout benediksyon yo ak lwanj yo ranpli ak glwa kapab beni. \v 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl de syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. \x + \xo 9:6 \xo*\xt Kol 1:16\xt*\x* Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou. \v 7 \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jen 11:31\xt*\x*Ou se SENYÈ a, ki te chwazi Abram nan, e ki te fè l sòti nan Ur a Kaldeyen yo, ki te \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jen 17:5\xt*\x*bay li non Abraham. \v 8 Ou te twouve kè li fidèl devan Ou, epi te fè yon akò avèk li, pou bay li tout tè a Canaan yo, a Etyen yo avèk Amoreyen yo, a Ferezyen yo, Jebizyen yo, avèk Girezyen yo, pou livre bay li a desandan pa li yo. \x + \xo 9:8 \xo*\xt Jos 21:43-45\xt*\x* Konsa, Ou te akonpli pwomès Ou te fè a, paske Ou jis. \v 9 Ou te wè \x + \xo 9:9 \xo*\xt Egz 3:7\xt*\x*afliksyon a zansèt nou yo an Egypte, epi te tande kri yo akote Lanmè Wouj. \v 10 Ou te fè \x + \xo 9:10 \xo*\xt Egz 7:8-25\xt*\x* sign ak mèvèy kont Farawon, kont tout sèvitè li yo avèk moun a peyi li yo, paske Ou te konnen ke yo te aji avèk awogans kont yo, epi te fè yon non pou tèt Ou ki dire jis rive jodi a. \v 11 \x + \xo 9:11 \xo*\xt Egz 14:21\xt*\x* Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi \x + \xo 9:11 \xo*\xt Egz 15:1-10\xt*\x*sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje. \v 12 Avèk yon pilye nwaj, \x + \xo 9:12 \xo*\xt Egz 13:21-22\xt*\x*Ou te mennen pèp la pandan lajounen, e avèk yon pilye dife pandan lannwit, pou limen chemen yo sou sila yo ta dwe mache yo. \p \v 13 Anplis, Ou te desann sou Mon Sinaï, e te pale avèk yo soti nan syèl la. Ou te bay yo òdonans ki \x + \xo 9:13 \xo*\xt Sòm 19:7-9\xt*\x*jis avèk lalwa ki te vrè, bon règleman avèk bon kòmandman yo. \v 14 Konsa, Ou te fè yo rekonèt \x + \xo 9:14 \xo*\xt Egz 16:23\xt*\x* Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse. \v 15 Ou \x + \xo 9:15 \xo*\xt Egz 16:15\xt*\x* te founi pen soti nan syèl la pou grangou yo, epi Ou te mennen dlo soti nan yon wòch pou yo menm, pou swaf yo, epi Ou te di yo antre ladann nan peyi ke Ou te sèmante pou bay yo pou posede a. \v 16 Men yo menm, zansèt nou yo, te aji avèk awogans. \x + \xo 9:16 \xo*\xt Det 1:26-33\xt*\x* Yo te fè tèt di, epi te refize koute kòmandman Ou yo. \v 17 Yo te \x + \xo 9:17 \xo*\xt Nonb 14:4\xt*\x* refize koute e yo pa t sonje mèvèy ke Ou te fè pami yo. Konsa, yo te vin tèt di, e te chwazi yon chèf ki pou mennen yo retounen an esklavaj yo an Egypte. Men Ou se yon Bondye ki padone, plen ak gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous. Ou pa t abandone yo. \v 18 Menm lè yo te \x + \xo 9:18 \xo*\xt Egz 32:4-31\xt*\x* fè pou kont yo yon ti bèf an metal fonn, yo te di: ‘Sa se Bondye nou, ki te mennen nou monte soti an Egypte la’, epi te fè gran blasfèm, \v 19 \x + \xo 9:19 \xo*\xt Det 8:2-4\xt*\x* Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale. \v 20 \x + \xo 9:20 \xo*\xt Nonb 11:17\xt*\x* Ou te bay bon lespri pa Ou pou enstwi yo. Lamàn Ou, Ou pa t refize fè antre nan bouch yo. Ou te bay yo dlo pou lè yo te swaf. \v 21 Anverite, pandan \x + \xo 9:21 \xo*\xt Det 2:7\xt*\x* karantan, Ou te fè pwovizyon pou yo nan dezè a, e yo pa t manke anyen. Rad yo pa t epwize, ni pye yo pa t anfle. \v 22 Anplis, Ou te bay yo wayòm yo avèk pèp yo, epi te divize bay yo tout selon pòsyon pa yo. \x + \xo 9:22 \xo*\xt Nonb 21:21-35\xt*\x*Yo te pran posesyon a peyi Sihon, wa a Hesbon an ak peyi Og, wa Basan an. \v 23 Ou te fè fis pa yo vin anpil \x + \xo 9:23 \xo*\xt Jen 15:5\xt*\x* kon zetwal syèl yo, epi Ou te mennen yo antre nan peyi ke Ou te mande zansèt pa yo antre pou posede a. \v 24 \x + \xo 9:24 \xo*\xt Jos 11:23\xt*\x* Pou sa, fis pa yo te antre pou posede peyi a. Epi \x + \xo 9:24 \xo*\xt Jos 18:1\xt*\x*Ou te fè moun peyi a Canaan yo soumèt devan Ou. Konsa, Ou te livre yo nan men yo, avèk wa yo ak pèp peyi a, pou fè avèk yo sa yo te pito. \v 25 Yo te kaptire vil fòtifye yo, avèk tèren byen fètil yo. Yo te vin posede \x + \xo 9:25 \xo*\xt Det 6:11\xt*\x* kay yo plen avèk tout bon bagay, sitèn ki fin fouye, chan rezen, chan oliv avèk pye fwi an kantite. Konsa, yo te manje, te vin plen, epi te \x + \xo 9:25 \xo*\xt Det 32:15\xt*\x*vin gra, e te pran plezi nan gran bonte Ou. \v 26 \x + \xo 9:26 \xo*\xt Jij 2:11\xt*\x* Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm. \v 27 Pou sa, \x + \xo 9:27 \xo*\xt Jij 2:14\xt*\x* Ou te livre yo nan men a opresè yo ki te oprime yo. Men lè yo te kriye a Ou menm nan tan gwo twoub yo, Ou te tande soti nan syèl la, epi pa gran lanmou dous Ou, Ou te bay yo chèf liberatè yo, ki te delivre yo nan men a opresè yo. \v 28 Men \x + \xo 9:28 \xo*\xt Jij 3:11\xt*\x* soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou, \v 29 epi te fè tèmwen kont yo pou fè yo retounen kote lalwa Ou. Sepandan, yo te aji avèk awogans e pa t Koute kòmandman Ou yo, men te peche kont òdonans Ou yo, selon \x + \xo 9:29 \xo*\xt Lev 18:5\xt*\x*sila yo, si yon nonm ta swiv yo, li ta viv. Men yo te vire yon do byen di, yo te fè tèt di, epi te refize koute. \v 30 Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te \x + \xo 9:30 \xo*\xt II Kwo 36:15-16\xt*\x* avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo. \v 31 Men nan gran mizerikòd Ou, Ou \x + \xo 9:31 \xo*\xt Jr 4:27\xt*\x*pa t fini ak yo, ni abandone yo, paske Ou menm se yon Bondye gras avèk mizerikòd. \v 32 Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye \x + \xo 9:32 \xo*\xt Né 1:5\xt*\x*gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a. \v 33 Sepandan, Ou jis nan tout sa ki vin rive nou; paske \x + \xo 9:33 \xo*\xt Jen 18:25\xt*\x*Ou te aji avèk fidelite, men nou te aji mal. \v 34 Paske wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t kenbe lalwa Ou yo, ni okipe kòmandman Ou yo avèk avètisman Ou yo avèk sila Ou te avèti yo. \v 35 Men yo, malgre nan pwòp wayòm pa yo ke Ou te bay \x + \xo 9:35 \xo*\xt Det 28:47\xt*\x*yo, pa t sèvi Ou, ni kite zak mechan yo. \v 36 Gade byen, \x + \xo 9:36 \xo*\xt Det 28:48\xt*\x*nou vin esklav yo jodi a, epi pou teren ke Ou te bay a zansèt Nou yo, pou manje fwi avèk bonte li, Gade byen, nou vin esklav ladann yo. \v 37 \x + \xo 9:37 \xo*\xt Det 28:33\xt*\x* Gran rekòlt li bay vin pou wa yo ke Ou te fin mete sou nou akoz peche nou yo. Anplis, yo renye sou kò nou epi sou bèt nou yo, jan yo pito; pou sa a, nou nan gran pwoblèm. \v 38 Alò, akoz tout sa, \x + \xo 9:38 \xo*\xt Né 10:29\xt*\x* nou ap fè yon akò ki si, ki ekri; epi \x + \xo 9:38 \xo*\xt Né 10:1 \xt*\x*dokiman an sele, pa Chèf nou yo, Levit nou yo ak prèt nou yo.” \c 10 \p \v 1 Alò, sou \x + \xo 10:1 \xo*\xt Né 10:38\xt*\x*dokiman sele a te gen non a: Néhémie, gouvènè a, fis a Hacalia a ak Sédécias, \v 2 Seraja, Azaria, Jérémie, \v 3 Paschhur, Amaria, Malkija, \v 4 Hattusch, Schebania, Mallue, \v 5 Harim, Merémoth, Abdias, \v 6 Daniel, Guinnethon, Baruc, \v 7 Meschullam, Abija, Mijamin, \v 8 Maazia, Bilgaï, Schemaeja. Sila yo se te prèt yo. \v 9 Epi Levit yo: Josué, fis a Azania a, Binnuï, nan fis a Hénadad yo, Kadmiel, \v 10 anplis frè pa yo, Schebania, Hodija, Kelitha, Pelaja, Hanan, \v 11 Michée, Rehob, Haschabia, \v 12 Zaccur, Schérébia, Schebania, \v 13 Hodija, Bani, Beninu. \v 14 Chèf a pèp yo: Pareosch, Pachath-Moab, Élam, Zatthu, Bani, \v 15 Bunni, Azgad, Bébaï, \v 16 Adonija, Bigvaï, Adin, \v 17 Ather, Ézéchias, Azzur, \v 18 Hodija, Haschum, Betsaï \v 19 Hariph, Anathoth, Nébaï, \v 20 Magpiash, Meschullam, Hézir, \v 21 Meschézabeel, Tsadok, Jaddua, \v 22 Pelathia, Hanan, Anaja, \v 23 Hosée, Hanania, Haschub, \v 24 Hallochesch, Pilcha, Schobek, \v 25 Rehum, Haschabna, Maaséja, \v 26 Achija, Hanan, Anan, \v 27 Malluc, Harim, Baana. \p \v 28 Alò, tout lòt moun nan pèp la, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, sèvitè tanp yo ak \x + \xo 10:28 \xo*\xt Né 9:2\xt*\x*tout sila ki te separe yo menm soti nan pèp peyi yo pou lalwa Bondye pa yo, madanm pa yo, fis yo ak fi yo, tout sila ki te gen konesans avèk bon konprann yo, \v 29 t ap reyini ansanm avèk moun fanmi yo, chèf pa yo e \x + \xo 10:29 \xo*\xt Né 5:12\xt*\x* t ap pran sou yo menm, sou nivo madichon, yon sèman, pou mache nan lalwa Bondye, ki te bay pa Moïse la, Sèvitè Bondye a, e pou kenbe ak obeyi tout kòmandman a Bondye yo, SENYÈ nou an, avèk òdonans Li yo avèk règleman Li yo; \v 30 epi \x + \xo 10:30 \xo*\xt Egz 34:16\xt*\x*pou nou pa bay fi nou yo a pèp peyi la, ni pran fi pa yo pou fis nou yo. \v 31 Epi selon pèp peyi la ki konn vini avèk machandiz avèk manje pou vann nan Saba a, nou p ap achte nan men yo nan Saba a ni nan okenn jou sen. Anplis, nou va lese rekòlt yo nan setyèm ane a, ansanm avèk koleksyon a tout dèt. \p \v 32 Ankò, \x + \xo 10:32 \xo*\xt Egz 30:11-16\xt*\x*nou plase pwòp tèt nou anba obligasyon pou fè kontribisyon yon tyè sik chak ane pou sèvis lakay Bondye nou an: \v 33 pou \x + \xo 10:33 \xo*\xt Lev 24:5-6\xt*\x*pen konsakre, ofrann sereyal ki pa janm fini, ofrann brile ki pa janm fini, Saba yo, nouvèl lin, pou lè chwazi yo, pou bagay sen yo e pou ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou peche Israël yo ak tout travay lakay Bondye nou an. \v 34 Menm jan an, nou te tire osò \x + \xo 10:34 \xo*\xt Né 13:31\xt*\x* pou founi depo bwa pou prèt yo, Levit yo ak pèp la pou yo ta kab mennen li lakay Bondye a, selon lakay zansèt papa nou yo, nan lè ki te etabli nan ane a, pou brile sou lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, jan sa ekri nan lalwa a; \v 35 epi pou yo ta kab pote premye fwi tè yo avèk \x + \xo 10:35 \xo*\xt Egz 23:19\xt*\x*premye fwi a tout fwi a tout pyebwa yo, lakay SENYÈ a chak ane, \v 36 epi \x + \xo 10:36 \xo*\xt Egz 13:2\xt*\x*pote lakay Bondye nou an, premye ne a fis nou yo ak bèf nou yo e premye ne nan bann mouton avèk twoupo nou yo, jan sa ekri nan lalwa a, pou prèt ki ap sèvi lakay Bondye nou an. \v 37 \x + \xo 10:37 \xo*\xt Lev 23:17\xt*\x*E ke nou va, osi, pote premye nan pat farin nou yo, kontribisyon nou yo, fwi a tout pyebwa, diven nèf avèk lwil pou prèt yo nan chanm lakay Bondye nou an ak dim \x + \xo 10:37 \xo*\xt Nonb 18:21\xt*\x*tè nou pou Levit yo; paske se Levit yo ki resevwa dim nan tout vil andeyò yo. \v 38 \x + \xo 10:38 \xo*\xt Nonb 18:26\xt*\x*Prèt la, fis a Aaron an, va avèk Levit yo lè Levit yo resevwa dim yo, e Levit yo va pote yon dizyèm nan dim pa yo vè lakay Bondye nou an, pou l antre nan chanm depo yo. \v 39 Paske, fis Israël yo avèk fis Lévi yo va pote don sereyal la, diven nèf la ak lwil la nan chanm yo. La se zouti a sanktiyè yo, prèt k ap fè sèvis yo, gadyen pòtay yo, ak chantè yo. Konsa, \x + \xo 10:39 \xo*\xt Né 13:10-11\xt*\x*nou p ap neglije lakay Bondye nou an. \c 11 \p \v 1 Alò, \x + \xo 11:1 \xo*\xt Né 7:4\xt*\x* chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo. \v 2 Pèp la te beni tout mesye ki te \x + \xo 11:2 \xo*\xt Jij 5:9\xt*\x* pa volonte yo, vin rete Jérusalem yo. \p \v 3 \x + \xo 11:3 \xo*\xt I Kwo 9:2-34\xt*\x* Alò, sila yo se chèf an tèt pwovens ki te vin rete Jérusalem yo; men nan vil a Juda yo, chak moun te rete sou pwòp teren pa l nan vil pa yo—Izrayelit yo, prèt yo, Levit yo, sèvitè tanp yo ak desandan a sèvitè Salomon yo. \v 4 Kèk nan fis a Juda yo avèk kèk nan fis a Benjamin yo te rete Jérusalem. Soti nan fis Juda yo: Athaja, fis a Ozias la, fis a Zacharie, fis Amaria, fis Schephathia, fis a Mahalaleel, fis a Pérets yo; \v 5 epi Maaséja, fis a Barue, fis a Col-Hozé, fis a Hazaja, fis a Adaja a, fis a Jojarib, fis a Zacharie, fis a Schiloni. \v 6 Total fis a Pérets ki te etabli Jérusalem yo te kat-san-swasann-tuit mesye de gran kouraj. \p \v 7 Men fis a Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Joëd la, fis a Pedaja, fis a Kolaja a, fis a Maaséja a, fis a Ithiel la, fis a Ésaïe a. \v 8 Epi apre li, Gabbaaï avèk Sallaï, nèf-san-venn-tuit. \v 9 Joël, fis a Zicri a, te chèf yo; epi Juda, fis a Senua a, se te douzyèm chèf lavil la. \p \v 10 Soti nan prèt yo: Jedaeja, fis a Jojarib la, Jakin, \v 11 Seraja, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, ki te dirije lakay Bondye, \v 12 epi fanmi yo ki te fè travay tanp lan, ui-san-venn-de; epi Adaja, fis a Jerocham nan, fis a Pelalia a, fis a Amtsi a, fis a Zacharie a, fis a Paschhur la, fis a Malkija a, \v 13 epi fanmi yo, chèf lakay papa zansèt yo, de-san-karann-de; epi Amaschasaï, fis a Azareel la, fis a Achazaï a, fis a Meschillémoth la, fis a Immer a, \v 14 avèk frè pa yo, mesye ki plen kouraj, san-venn-tuit. Zabdiel, fis a Guedolim nan, se te chèf yo. \p \v 15 Alò, soti nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Bunni an; \v 16 Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize \x + \xo 11:16 \xo*\xt I Kwo 26:29\xt*\x* travay deyò nan lakou lakay Bondye a; \v 17 epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan. \v 18 Tout Levit yo nèt nan \x + \xo 11:18 \xo*\xt Né 11:1\xt*\x*lavil sen an se te de-san-katre-ven-kat. \p \v 19 Anplis, gadyen pòtay yo, Akkub, Thalmon, avèk frè parèy yo ki te okipe pòtay yo te san-swasann-douz. \v 20 Tout lòt Israël, pami prèt yo ak Levit yo te nan lòt vil Juda yo, yo chak \x + \xo 11:20 \xo*\xt Né 11:3\xt*\x*sou pwòp eritaj pa yo. \v 21 Men \x + \xo 11:21 \xo*\xt Né 3:26\xt*\x* sèvitè tanp yo te rete nan ti mòn Ophel la, e Tsicha avèk Guischpa te chèf a sèvitè tanp yo. \p \v 22 \x + \xo 11:22 \xo*\xt Né 11:9-24\xt*\x* Chèf Levit Jérusalem yo te Uzzi, fis a Bani an, fis a Haschabia a, fis a Matthania a, fis a Michée a, pami fis Asaph, ki te chantè pou sèvis lakay Bondye a. \v 23 \x + \xo 11:23 \xo*\xt Esd 6:8\xt*\x*Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo. \v 24 Pethachja, fis a Meschézabeel la, nan fis a Zérach yo, fis a Juda a, te \x + \xo 11:24 \xo*\xt I Kwo 18:17\xt*\x*reprezante wa a nan tout bagay ki te konsène pèp la. \p \v 25 Selon vil yo avèk chan pa yo, kèk nan fis a Juda yo te rete Kirjath-Arba avèk bouk pa li yo, nan Dibon avèk landwa ki antoure li a, e Jekabtseel avèk bouk ki te antoure li yo. \v 26 A Jéschua, a Molada, a Beth-Paleth, \v 27 a Hatsar-Schual, a Beer-Schéba avèk bouk pa li yo, \v 28 ak Tsiklag, a Mecona, avèk bouk pa li yo, \v 29 a En-Rimmon, a Tsorea, a Jarmuth, \v 30 a Zanoach, a Adullam ak bouk li yo, Lakis avèk anviwon li, Azéka avèk bouk pa li yo. Konsa, yo te fè anplasman yo soti Beer-Schéba jis rive nan vale Hinnom an. \v 31 Anplis, fis a Benjamin yo te rete soti Guéba ale nèt, a Micmasch, a Ajja, a Béthel, avèk bouk pa li yo, \v 32 a Anathoth, a Nob, a Hanania, \v 33 a Hatsor, a Rama, a Guithaïm, \v 34 a Hadid, a Tseboïm, a Neballath, \v 35 a Lod avèk Ono, vale a ouvriye yo. \v 36 Soti nan Levit yo, kèk nan divizyon Juda yo te rete nan landwa Benjamin an. \c 12 \p \v 1 Alò, sila yo se te prèt avèk Levit ki te monte avèk Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué: Seraja, Jérémie, Esdras, \v 2 Amaria, Malluc, Hattusch, \v 3 Schecania, Rehum, Merémoth, \v 4 Iddo, Guinnethoï, Abija, \v 5 Mijamin, Maadia, Bilga, \v 6 Schemaeja, Jojarib, Jedaeja. \v 7 Sallu, Amok, Hilkija, Jedaeja. Sila yo te chèf prèt yo avèk fanmi pa yo nan tan Josué a. \p \v 8 Levit yo te Josué, Binnuï, Kadmiel, Schérébia, Juda, Matthania, ki, avèk frè li yo, te dirije chan remèsiman yo. \v 9 Anplis Bakbukia avèk Unni, frè pa yo ki te kanpe anfas yo nan \x + \xo 12:9 \xo*\xt Né 12:24\xt*\x* divizyon sèvis yo. \v 10 Josué te vin papa a Jojakim, Jojakim te fè Éliaschib, Éliaschib te fè Jojada, \v 11 Jojada te fè Jonathan e Jonathan te fè Jaddua. \p \v 12 Alò, nan tan Jojakim, prèt yo, chèf an tèt lakay zansèt papa yo te pou Seraja, Meraja, e pou Jérémie, Hanania; \v 13 Pou Esdras, Meschullam; pou Amaria, Jochanan; \v 14 pou Meluki, Jonathan; pou Schebvania, Jospeh; \v 15 pou Harim, Adna; pou Merajoth, Helkaï; \v 16 pou Iddo, Zacharie; pou Guinnethon, Meschullam; \v 17 pou Abija, Zicri; pou Minjamin avèk Moadia, Pilthaï; \v 18 pou Bilga, Schammua; pou Schemaeja, Jonathan; \v 19 pou Jojarib, Matthnaï; pou Jedaeja, Uzzi; \v 20 pou Sallaï, Kallaï; pou Amok, Éber; \v 21 pou Hilkija, Haschabla; pou Jedaeja, Nathanaël. \p \v 22 Epi pou Levit yo, chèf an tèt lakay papa zansèt pa yo te anrejistre nan jou a Éliaschib yo, Jojada, avèk Jochanan ak Jaddua; konsa yo te sèvi kon prèt nan règn Darius, Perse la. \v 23 Fis a Lévi yo, chèf an tèt lakay papa zansèt yo, te anrejistre nan Liv A Kwonik yo jis rive nan tan Jochanan, fis Éliaschib la. \v 24 Chèf an tèt a Levit yo te Haschabia, Schérébia e Josué, fis a Kadmiel la, avèk frè pa yo anfas yo, \x + \xo 12:24 \xo*\xt Né 11:17\xt*\x* pou bay lwanj avèk remèsiman, jan sa te preskri pa David, nonm Bondye a, divizyon ki te koresponn ak divizyon. \v 25 Matthania, Bakbukia, Abdias, Meschullam, Thalmon avèk Akkub, te gadyen pòtay ki te responsab veye \x + \xo 12:25 \xo*\xt I Kwo 26:15\xt*\x* depo pòtay yo. \v 26 Sila yo te sèvi nan jou a Jojakim yo, fis a Josué a, fis a Jotsadak la e nan jou a Néhémie yo, gouvènè a, avèk Esdras, prèt la ak skrib. \p \v 27 Alò, nan dedikasyon miray Jérusalem nan, yo te chache twouve Levit soti nan tout plas yo pou mennen yo Jérusalem pou yo ta kab selebre dedikasyon an avèk jwa, avèk lwanj kè kontan, avèk chan \x + \xo 12:27 \xo*\xt I Kwo 15:16-28 \xt*\x*avèk senbal, ap ak lenstriman a kòd yo. \v 28 Konsa, fis a chantè yo te rasanble soti nan distri ki te antoure Jérusalem nan e soti \x + \xo 12:28 \xo*\xt I Kwo 9:16\xt*\x*nan vilaj a Netofatyen yo, \v 29 soti Beth-Guilgal, avèk chan nan Guéba avèk Azmavet, paske chantè yo te fin bati pou kont yo vilaj nan anviwon Jérusalem yo. \v 30 Prèt yo avèk Levit yo te pirifye tèt yo; anplis, yo te \x + \xo 12:30 \xo*\xt Né 13:22-30\xt*\x* pirifye pèp la, pòt yo avèk miray la. \p \v 31 Konsa, mwen te fè dirijan a Juda yo vin monte sou miray la, e mwen te chwazi de gran gwoup koral premye ki t ap sòti sou bò dwat anlè miray la vè \x + \xo 12:31 \xo*\xt Né 2:13\xt*\x* Pòtay Kolin Fimye a. \v 32 Hosée avèk mwatye nan dirijan Juda yo te swiv yo, \v 33 avèk Azaria, Esdras, Meschullam, \v 34 Juda, Benjamin, Schemaja, avèk Jérémie, \v 35 epi kèk nan fis a prèt yo avèk twonpèt yo: Zacharie, fis a Jonathan an, fis a Schemaeja a, fis a Matthania a, fis a Michée a, fis a Zaccur a, fis a Asaph la; \v 36 avèk fanmi li yo, Schemaeja, Azaneel, Juda ak Hanani, \x + \xo 12:36 \xo*\xt Né 12:24\xt*\x*avèk enstriman mizik a David yo, nonm Bondye a. Epi Esdras, skrib la, te ale devan yo. \v 37 Nan Pòtay Sous Bwote a, yo te monte tou dwat sou \x + \xo 12:37 \xo*\xt Né 3:15\xt*\x*eskalye lavil David la toupre eskalye miray la anwo lakay David la, pou rive nan Pòtay Dlo a vè lès. \p \v 38 Dezyèm koral la te ale vè goch, pandan mwen t ap swiv yo avèk mwatye pèp la sou miray la, \x + \xo 12:38 \xo*\xt Né 3:11\xt*\x* anwo Tou Founo yo, rive nan Gran Miray la. \v 39 Epi anwo \x + \xo 12:39 \xo*\xt Né 8:16\xt*\x* Pòtay Éphraïm nan, kote Pòtay ansyen an, kote Pòtay Pwason an, \x + \xo 12:39 \xo*\xt Né 3:1\xt*\x*Fò Hananeel la ak fò a dè Santèn yo, jis rive nan Pòtay Mouton yo; epi yo te rete kanpe nan Pòtay Gad la. \v 40 Epi de koral yo te kanpe nan pozisyon yo lakay Bondye a, e mwen menm tou, avèk mwatye ofisye ki te avè m yo; \v 41 epi prèt yo, Éliakim, Maaséja, Minjamin, Michée, Eljoénaï, Zacharie, Hanania, avèk twonpèt yo; \v 42 epi Maaséja, Schemaeja, Éléazar, Uzzi, Jochanan, Malkija, Élam ak Ézer. Epi chantè yo te chante avèk Jizrachja, dirijan pa yo a, \v 43 Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske \x + \xo 12:43 \xo*\xt Sòm 9:2\xt*\x* Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen. \p \v 44 Anplis, \x + \xo 12:44 \xo*\xt Né 13:4-13\xt*\x* nan jou sa a, mesye yo te chwazi kon responsab sou chanm depo yo, kontribisyon yo, premye fwi yo, ak dim yo, pou ranmase yo antre soti nan chan nan vil yo, pòsyon ki te mande pa lalwa a pou prèt ak Levit yo; paske Juda te rejwi de prèt avèk Levit ki te fè sèvis yo. \v 45 Paske, yo te ranpli devwa Bondye yo a, avèk sèvis pirifikasyon an, ansanm avèk chantè yo ak gadyen pòtay yo \x + \xo 12:45 \xo*\xt I Kwo 25:1\xt*\x*an akò avèk lòd David avèk fis li a, Salomon. \v 46 Paske nan jou a David avèk \x + \xo 12:46 \xo*\xt II Kwo 29:30\xt*\x* Asaph yo, nan tan ansyen an, te gen \x + \xo 12:46 \xo*\xt I Kwo 9:33\xt*\x*dirijan pou chantè yo ak chan adorasyon yo, e kantik remèsiman a Bondye. \v 47 Konsa, tout Israël nan jou Zorobabel avèk Néhémie yo te bay pòsyon ki te dwe fèt pou chantè yo avèk gadyen pòtay yo kon chak jou te mande a, e te \x + \xo 12:47 \xo*\xt Nonb 18:21\xt*\x* mete apa pòsyon ki te konsakre a Levit yo; epi Levit yo te mete apa pòsyon ki te konsakre pou fis Aaron yo. \c 13 \p \v 1 Nan jou sa a, \x + \xo 13:1 \xo*\xt Né 9:3\xt*\x* yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a, \v 2 paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te \x + \xo 13:2 \xo*\xt Nonb 22:3-11\xt*\x* anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men \x + \xo 13:2 \xo*\xt Det 23:5\xt*\x*Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon. \v 3 Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete \x + \xo 13:3 \xo*\xt Egz 12:38\xt*\x*tout etranje yo deyò Israël. \p \v 4 Alò, avan sa a, Éliaschib, prèt la, \x + \xo 13:4 \xo*\xt Né 12:44\xt*\x*ki te chwazi dirijan nan chanm lakay Bondye yo, ki te fè aliyans ak Tobija, \v 5 te prepare yon gran chanm pou li, nan kote a ki oparavan te konn sèvi pou depo ofrann sereyal yo, lansan a, zouti ak dim sereyal yo, diven avèk lwil ki te \x + \xo 13:5 \xo*\xt Nonb 18:21\xt*\x*pou Levit yo, chantè yo, ak gadyen pòtay yo, avèk kontribisyon balanse an lè, ki te pou prèt yo. \v 6 Men pandan tout tan sa a, mwen pa t la Jérusalem, paske nan trann-dezyèm ane \x + \xo 13:6 \xo*\xt Esd 6:22\xt*\x*Artaxerxès la, wa a Babylone nan, mwen te deja ale kote wa a. Men apre kèk tan, mwen te mande pèmisyon a wa a pou m sòti, \v 7 epi mwen te rive Jérusalem e te vin aprann mal ke Éliaschib te fè pou Tobija a, lè l \x + \xo 13:7 \xo*\xt Né 13:5\xt*\x* te prepare yon chanm pou li nan lakou lakay Bondye a. \v 8 Sa te fè m pa kontan anpil. Konsa, mwen te \x + \xo 13:8 \xo*\xt Jn 2:13-16\xt*\x*jete tout bagay Tobija yo deyò chanm nan. \v 9 Epi mwen te pase lòd, e \x + \xo 13:9 \xo*\xt II Kwo 29:5-16\xt*\x*yo te netwaye chanm yo. Mwen te remete la zouti lakay Bondye yo avèk ofrann sereyal la ak lansan an. \p \v 10 Anplis, mwen te dekouvri ke \x + \xo 13:10 \xo*\xt Det 12:19\xt*\x*pòsyon Levit yo pa t konn bay a yo menm ki te fè Levit yo avèk chantè yo ki te pèfòme nan fè sèvis yo, ale; yo chak nan pwòp chan pa l. \v 11 Konsa, mwen te repwoche responsab yo. Mwen te di: \x + \xo 13:11 \xo*\xt Né 10:39\xt*\x*“Poukisa lakay Bondye a abandone?” Mwen te reyini yo ansanm e te fè yo reprann pòs yo. \v 12 Konsa ankò, tout Juda te pote \x + \xo 13:12 \xo*\xt Né 10:37\xt*\x* dim sereyal la, diven an avèk lwil la, antre nan kay depo yo. \v 13 Kon responsab pou kay depo yo, mwen te chwazi Schélémia, prèt la, Tsadok, skrib la, avèk Pedaja a Levit yo: epi akote sila yo, Hanan, fis a Zaccur a, fis a Matthania a; paske \x + \xo 13:13 \xo*\xt Né 7:2\xt*\x* yo te konsidere kon moun serye e se te tach pa yo pou separe bay a frè yo. \p \v 14 \x + \xo 13:14 \xo*\xt Né 5:19\xt*\x* Sonje mwen pou sa, O Bondye mwen, e pa efase zèv fidèl ke m te fè pou lakay Bondye mwen an ak sèvis mwen te fè pou li a. \p \v 15 Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen \x + \xo 13:15 \xo*\xt Det 5:12-14\xt*\x* nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a. \v 16 Anplis, mesye Tyre yo te rete la e te enpòte pwason avèk tout kalite machandiz, ki te vann a fis Juda yo nan Saba a, menm nan Jérusalem. \v 17 Pou sa a mwen te \x + \xo 13:17 \xo*\xt Né 13:11-25\xt*\x*bay repwòch a moun prensipal Juda yo epi te di yo: “Ki kalite mal nou ap fè la a, lè nou vin degrade jou Saba a? \v 18 \x + \xo 13:18 \xo*\xt Esd 9:13\xt*\x* Èske papa nou yo pa t fè menm bagay la, jiskaske Bondye nou an te fè rive nou avèk tout vil sa a tout twoub sa yo? Sepandan, nou ap ogmante kòlè sou Israël lè nou vin desann jou Saba a konsa.” \p \v 19 \x + \xo 13:19 \xo*\xt Lev 23:32\xt*\x*Li te vin rive ke lè l te fenk ap fènwa nan pòtay Jérusalem yo avan Saba a, mwen te pase lòd pou pòt yo ta fèmen e pou yo pa ta ouvri yo jiskaske Saba a te fini. Mwen te estasyone kèk nan sèvitè mwen yo nan pòtay yo pou okenn chaj pa t antre nan Saba a. \v 20 Youn oswa de fwa, machann a tout kalite machandiz te oblije pase nwit lan deyò Jérusalem. \v 21 Konsa \x + \xo 13:21 \xo*\xt Né 13:15\xt*\x* mwen te avèti yo, epi te di yo: “Poukisa nou pase nwit lan devan miray la? Si nou fè sa ankò, m ap sèvi ak fòs kont nou.” Depi lè sa a jis ale nèt, yo pa t vini nan Saba a. \v 22 Mwen te pase lòd a Levit yo \x + \xo 13:22 \xo*\xt I Kwo 15:12\xt*\x*ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou. \p \v 23 Anplis, nan jou sa yo, mwen te wè ke Jwif yo te konn \x + \xo 13:23 \xo*\xt Esd 9:2\xt*\x* marye ak fanm Ashdod yo, Ammon, avèk Moab yo. \v 24 Epi selon pitit yo, mwatye nan yo te pale langaj Ashdod la, e nanpwen menm nan yo ki te gen kapasite pou pale langaj Juda a, men pito langaj a pèp pa li a. \v 25 Pou sa, mwen te kanpe kont yo, mwen te bay yo madichon yo, te frape kèk nan yo, te rale cheve yo e te \x + \xo 13:25 \xo*\xt Né 10:29-30\xt*\x* fè yo sèmante pa Bondye: “Ou p ap bay fi ou yo a fis pa yo, ni pran nan fi pa yo pou fis nou, ni pou nou menm. \v 26 \x + \xo 13:26 \xo*\xt I Wa 11:1\xt*\x*Èske Salomon, wa Israël la, pa t peche nan bagay sa yo? \x + \xo 13:26 \xo*\xt I Wa 3:13\xt*\x*Malgre, pami anpil nasyon yo, pa t gen wa tankou li, li te renmen pa Bondye li a, e Bondye te fè li wa sou tout Israël. Sepandan, fanm etranje yo te fè menm li menm nan fè peche. \v 27 Alò, èske nou tande de nou menm ke nou te komèt gran mal sila a, e \x + \xo 13:27 \xo*\xt Esd 10:2\xt*\x*te aji avèk enfidelite kont Bondye nou an nan fè maryaj avèk fanm etranje yo?” \p \v 28 Menm youn nan fis a Jojada yo, fis a Éliaschib la, wo prèt la, te bofis a \x + \xo 13:28 \xo*\xt Né 2:10\xt*\x*Sanballat, Owonit lan, e pou sa, mwen te chase li lwen mwen. \v 29 Sonje yo, O Bondye mwen, akoz yo te degrade \x + \xo 13:29 \xo*\xt Nonb 25:13\xt*\x* otorite a prèt la, avèk akò otorite prèt yo avèk Levit yo. \p \v 30 \x + \xo 13:30 \xo*\xt Né 10:30\xt*\x* Konsa, mwen te pirifye soti nan tout bagay etranje yo e te chwazi devwa pou prèt yo ak Levit yo, yo chak nan pwòp tach pa yo; \v 31 epi \x + \xo 13:31 \xo*\xt Né 10:34\xt*\x* pou ofran founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.