\id NAM \ide UTF-8 \h Nahum \toc1 NAHUM \toc2 Nahum \toc3 Na \mt1 NAHUM \c 1 \p \v 1 Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la. \v 2 Yon Dye \x + \xo 1:2 \xo*\xt Egz 20:5; Det 32:35,41 \xt*\x*jalou k ap fè vanjans se SENYÈ a. SENYÈ a plen chalè kòlè ak vanjans. SENYÈ a ap pran vanjans Li sou sa yo ki kont Li yo. Sou lènmi Li yo, li konsève chalè kòlè Li. \v 3 SENYÈ a \x + \xo 1:3 \xo*\xt Egz 34:6,7 \xt*\x*lan nan kòlè, e Li plen pwisans. Konsa, li byen si ke SENYÈ a p ap kite koupab la san pinisyon. Mwayen Li se nan toubiyon ak tanpèt, e nwaj yo se pousyè anba pye Li. \v 4 Li \x + \xo 1:4 \xo*\xt Jos 3:15,16; És 33:9 \xt*\x*Repwoche lanmè a, e fè l vin sèch. Li fè larivyè yo vin sèch. Basan ak Carmel seche; flè a Liban yo vin fennen. \v 5 Mòn yo \x + \xo 1:5 \xo*\xt Egz 19:18; És 24:1,20 \xt*\x*tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann. \v 6 Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte \x + \xo 1:6 \xo*\xt És 13:13\xt*\x*chalè kòlè Li? Se tankou dife \x + \xo 1:6 \xo*\xt És 66:15 \xt*\x*kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso. \v 7 SENYÈ a \x + \xo 1:7 \xo*\xt Sòm 25:8 \xt*\x*bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo. \v 8 Men tankou yon \x + \xo 1:8 \xo*\xt És 28:2,17 \xt*\x*inondasyon ki debòde nèt, li va fè vil Ninive disparèt nèt, e kouri dèyè lènmi Li yo jis rive nan fènwa. \v 9 Nenpòt panse nou konn \x + \xo 1:9 \xo*\xt Sòm 2:1\xt*\x*fè kont SENYÈ a, li va mete fen a sa \x + \xo 1:9 \xo*\xt És 28:22 \xt*\x*nèt. Gwo twoub sa a p ap parèt de fwa. \v 10 Kon bwa pikan mele mare, kon sila ki sou ak bwason yo, yo va \x + \xo 1:10 \xo*\xt És 5:24 \xt*\x* vin konsonmen nèt kon pay ki fennen nèt. \v 11 Nan ou, te sòti yon moun ki te \x + \xo 1:11 \xo*\xt És 10:7-11\xt*\x* fè move konplo kont SENYÈ a, yon \x + \xo 1:11 \xo*\xt Éz 11:2 \xt*\x*konseye mechan. \p \v 12 Konsa pale SENYÈ a: “Byenke yo plen fòs, e yo gen anpil moun; malgre sa, yo va \x + \xo 1:12 \xo*\xt És 10:16-19,33,34\xt*\x*vin koupe retire e disparèt. Byenke Mwen te aflije ou, Mwen p ap aflije ou \x + \xo 1:12 \xo*\xt Lam 3:31,32 \xt*\x*ankò. \v 13 Pou sa, koulye a, Mwen va \x + \xo 1:13 \xo*\xt És 9:4 \xt*\x*kraze retire jouk li ki mare sou ou a, e mwen va eklate chèn ou yo.” \p \v 14 SENYÈ a fin pase lòd konsènan ou menm: \x + \xo 1:14 \xo*\xt Job 18:17; Éz 32:22 \xt*\x*“P ap gen desandan ki pou pote non ou ankò. Mwen va koupe retire zidòl ak imaj soti lakay dye ou yo. M ap prepare yon kote antèman pou ou; paske ou vin abominab.” \p \v 15 Gade byen, \x + \xo 1:15 \xo*\xt És 40:9 \xt*\x*sou mòn yo, pye a li ki pote bòn nouvèl, ki anonse lapè yo! Fè fèt nou, O Juda! Akonpli ve nou yo. Paske sa p ap janm rive ankò pou mechan sila an vin pase nan mitan nou. Li fin koupe retire nèt. \c 2 \p \v 1 Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!\x + \xo 2:1 \xo*\xt Jr 51:20-23\xt*\x* \p \v 2 Paske SENYÈ a va restore tout \x + \xo 2:2 \xo*\xt És 60:15 \xt*\x*glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te \x + \xo 2:2 \xo*\xt Sòm 80:12,13\xt*\x*rache branch rezen li yo. \p \v 3 Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj. Gèrye yo vin abiye an \x + \xo 2:3 \xo*\xt Éz 23:14,15 \xt*\x*kramwazi. Cha yo klere an asye nan jou derape a. Lans an bwa pichpen yo vin parèt. \v 4 \x + \xo 2:4 \xo*\xt És 66:15 \xt*\x*Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray. \v 5 Li rele \x + \xo 2:5 \xo*\xt Na 3:18\xt*\x*gèye pi chwa li yo. Yo \x + \xo 2:5 \xo*\xt Jr 46:12 \xt*\x*manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikàd syèj defans la fin prepare. \v 6 Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt. \v 7 Bagay la fin fèt; Ninive vin toutouni, li fin pote ale nèt. Sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl; y ap \x + \xo 2:7 \xo*\xt És 32:12 \xt*\x*bat lestonmak yo. \v 8 Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men \x + \xo 2:8 \xo*\xt Jr 46:5 \xt*\x*pèsòn pa gade dèyè. \v 9 Pran piyaj ajan! Pran piyaj \x + \xo 2:9 \xo*\xt Rev 18:12,16 \xt*\x*lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo. \v 10 Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. \x + \xo 2:10 \xo*\xt Sòm 22:14 \xt*\x*Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e \x + \xo 2:10 \xo*\xt Jl 2:6\xt*\x*figi yo vin blèm! \v 11 Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè? \v 12 Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim. \v 13 “Gade byen \x + \xo 2:13 \xo*\xt Jr 21:13 \xt*\x*Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.” \c 3 \p \v 1 \x + \xo 3:1 \xo*\xt Éz 2:6,9 \xt*\x*Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen. \v 2 \x + \xo 3:2 \xo*\xt Job 39:22-25 \xt*\x*Bri a fwèt la, bri a wou k ap sone sou wòch yo, cheval k ap galope yo ak cha k ap vòltije yo! \v 3 Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. \x + \xo 3:3 \xo*\xt És 34:3\xt*\x*Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak \x + \xo 3:3 \xo*\xt És 37:36 \xt*\x*kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo! \v 4 Tout sa akoz anpil aktivite a pwostitiye yo, sila ki vrèman byen pòtan yo, mètrès a gwo maji yo, ki vann nasyon yo nan pwostitisyon li yo, ak fanmi yo nan gwo wanga li konn fè yo. \v 5 “Gade byen, Mwen vin kont ou”, deklare SENYÈ dèzame yo. Mwen va \x + \xo 3:5 \xo*\xt És 47:2,3 \xt*\x*Leve jip ou jis rive nan figi ou pou \x + \xo 3:5 \xo*\xt Éz 16:37\xt*\x*montre a nasyon yo toutouni ou, pou wayòm yo wè wont ou. \v 6 Mwen va jete bagay ki sal nèt sou ou, \x + \xo 3:6 \xo*\xt Job 30:8\xt*\x*fè ou vin avili e fè ou vin \x + \xo 3:6 \xo*\xt És 14:16 \xt*\x* espektak. \v 7 Konsa, li va vin rive ke tout moun ki wè ou, yo va fè bak, e yo va di: “Men Ninive fin devaste nèt! \x + \xo 3:7 \xo*\xt És 51:19 \xt*\x*Se kilès k ap fè dèy pou li? Se kibò pou m ta jwenn moun ki pou rekonfòte ou?” \p \v 8 Èske ou pi bon pase \x + \xo 3:8 \xo*\xt Jr 46:25 \xt*\x*Nò Amon ki te pozisyone pami rivyè yo, ki te antoure ak dlo, ki te gen lanmè kon pwotèj li, e se lanmè ki te sèvi kon miray li? \v 9 Se Éthiopie ki te pwisans li, ansanm ak Égypte ki te san limit. \x + \xo 3:9 \xo*\xt Jr 46:9\xt*\x*Puth ak \x + \xo 3:9 \xo*\xt II Kwo 12:3 \xt*\x*Libie te pami soutyen ou yo. \v 10 Men li te \x + \xo 3:10 \xo*\xt És 19:4 \xt*\x*pote ale; li te antre an kaptivite. Tout ti pitit li yo te vin kraze an mòso nan tèt tout ri yo. Yo te fè tiraj osò pou onorab li yo, e mesye pwisan li yo te mare nan chèn. \v 11 Ou menm tou va vin sou nèt. Ou va \x + \xo 3:11 \xo*\xt És 2:10,19 \xt*\x*kache. Ou menm tou va chache yon kote pou ou kache akoz de ènmi an. \v 12 Tout gwo fò nou yo va tankou \x + \xo 3:12 \xo*\xt Rev 6:13\xt*\x*pye fig etranje ak \x + \xo 3:12 \xo*\xt És 28:4 \xt*\x*fwi ki mi— lè yo sekwe yo, yo tonbe nan bouch a sila k ap manje yo a. \v 13 Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin \x + \xo 3:13 \xo*\xt És 45:1,2 \xt*\x*ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo. \p \v 14 \x + \xo 3:14 \xo*\xt II Kwo 32:3,4; Na 2:1 \xt*\x*Rale dlo ou pou kont ou pou fè syèj la! Ranfòse fò ou yo! Antre nan ajil la, e foule mòtye a anba pye ou. Byen bati kay fou k ap fè brik yo fò! \v 15 La, dife sa menm va vin devore ou nèt. Nepe va koupe retire ou nèt. Li va devore ou tankou krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou yon krikèt volan. Li va fè ou vin anpil tankou krikèt. \v 16 Ou fin ogmante \x + \xo 3:16 \xo*\xt És 23:8 \xt*\x*machann ou yo plis pase zetwal syèl yo— krikèt volan ravaje, epi, konsa, li vole ale. \v 17 \x + \xo 3:17 \xo*\xt Rev 9:7\xt*\x*Gad nou yo tankou krikèt. \x + \xo 3:17 \xo*\xt Jr 51:27 \xt*\x*Jandam nou yo tankou gwo lame krikèt volan k ap poze sou wòch nan jou fredi. Lè solèy la leve yo sove ale. Kote yo rive a, pèsòn pa konnen. \p \v 18 Bèje ou yo ap dòmi, O wa Assyrie. Prens ou yo kouche nèt. Pèp ou an vin gaye sou mòn yo, e nanpwen moun ki pou rasanble yo.\x + \xo 3:18 \xo*\xt Sòm 76:5,6; I Wa 22:17 \xt*\x* \v 19 Nanpwen \x + \xo 3:19 \xo*\xt Jr 46:11\xt*\x*ti pansman pou sa k ap fè ou mal la. \x + \xo 3:19 \xo*\xt Jr 30:12 \xt*\x*Blesi ou a p ap ka geri. Tout moun ki tande koze ou va bat men yo sou ou, paske kilès moun san rete, ki pa t resevwa nan mechanste ou?