\id MIC \ide UTF-8 \toc1 MICHÉE \toc2 Michée \toc3 Mi \mt1 MICHÉE \c 1 \p \v 1 Pawòl SENYÈ a ki te adrese a \x + \xo 1:1 \xo*\xt Jr 26:18 \xt*\x*Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan. \q1 \v 2 Tande, O pèp yo, nou tout! \q1 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Jr 6:19 \xt*\x*Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. \q1 Kite SENYÈ Bondye a vin \x + \xo 1:2 \xo*\xt És 50:7\xt*\x*temwen kont nou; \q1 SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an. \q1 \v 3 Paske gade byen, SENYÈ a ap vin \x + \xo 1:3 \xo*\xt És 26:21\xt*\x*sòti nan plas Li a. \q1 Li va vin desann pou \x + \xo 1:3 \xo*\xt Am 4:13 \xt*\x*foule wo plas latè yo. \q1 \v 4 \x + \xo 1:4 \xo*\xt Sòm 97:5\xt*\x*Mòn yo fann anba Li; \q1 Vale yo fann tankou lasi devan dife, \q1 tankou dlo k ap vide desann yon pant apik. \b \q1 \v 5 Tout sa se pou rebelyon a Jacob la \q1 ak pou peche Israël la. \q1 Se kisa ki \x + \xo 1:5 \xo*\xt Jr 2:19 \xt*\x* rebelyon a Jacob la? \q1 Èske se pa \x + \xo 1:5 \xo*\xt És 7:9\xt*\x*Samarie? \q1 Se kisa ki wo plas a Juda yo? \q1 Èske se pa Jérusalem? \q1 \v 6 Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil \x + \xo 1:6 \xo*\xt II Wa 19:25\xt*\x*mazi nan yon chan louvri, \q1 tankou yon kote pou plante yon chan rezen. \q1 Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a, \q1 e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo. \q1 \v 7 Tout \x + \xo 1:7 \xo*\xt Det 9:21 \xt*\x*zidòl li yo va vin kraze nèt, \q1 tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a, \q1 e tout zidòl li yo Mwen va detwi; \q1 paske se pou salè a yon \x + \xo 1:7 \xo*\xt Det 23:18\xt*\x*pwostitiye ke li te ranmase yo, \q1 e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt. \b \q1 \v 8 Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. \q1 Mwen oblije ale \x + \xo 1:8 \xo*\xt És 32:11 \xt*\x*pye atè ak toutouni. \q1 Mwen oblije fè lamantasyon tankou \x + \xo 1:8 \xo*\xt És 13:21,22\xt*\x*chen mawon, \q1 plenyen tankou otrich! \q1 \v 9 Paske \x + \xo 1:9 \xo*\xt És 3:26\xt*\x*blesi li a p ap ka geri; \q1 paske li fin rive nan Juda. \q1 Li rive nan pòtay a pèp mwen an, \q1 menm Jérusalem. \q1 \v 10 \x + \xo 1:10 \xo*\xt II Sam 1:20\xt*\x*Pa pale sa nan Gath. \q1 Pa kriye menm. \q1 Nan Beth-Leaphra mwen te woule \q1 kò mwen nan pousyè. \q1 \v 11 Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; \q1 nan \x + \xo 1:11 \xo*\xt Éz 23:29 \xt*\x*lawont ak toutouni ou. \q1 Moun \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jos 15:37\xt*\x*Tsaanan p ap chape. \q1 Plenyen Beth-Haëtsel la: \q1 Li va retire sou ou tout soutyen li. \q1 \v 12 Paske moun Maroth vin fèb nan \x + \xo 1:12 \xo*\xt És 59:9-11\xt*\x*tann sa ki bon, \q1 akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, \q1 rive nan pòtay Jérusalem nan. \q1 \v 13 Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jos 10:3\xt*\x*Lakis! \q1 Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— \q1 akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo. \q1 \v 14 Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath. \q1 Lakay \x + \xo 1:14 \xo*\xt Jos 15:44 \xt*\x*Aczib yo va vin yon \x + \xo 1:14 \xo*\xt Jr 15:18\xt*\x*desepsyon pou wa Israël yo. \q1 \v 15 Anplis, Mwen va mennen bay nou sila \q1 k ap pran posesyon nou an, \q1 O nou menm k ap viv nan \x + \xo 1:15 \xo*\xt Jos 15:44\xt*\x*Maréscha yo! \q1 Glwa Israël la va antre menm nan \x + \xo 1:15 \xo*\xt II Sam 23:13 \xt*\x*Adullam. \q1 \v 16 Vin \x + \xo 1:16 \xo*\xt És 22:12\xt*\x*chòv nèt; \q1 koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an. \q1 Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg, \q1 paske \x + \xo 1:16 \xo*\xt II Wa 17:6 \xt*\x*yo te ale an egzil kite ou! \b \c 2 \p \v 1 Malè a sila k ap \x + \xo 2:1 \xo*\xt Sòm 36:4\xt*\x*fè plan inikite yo, \q1 k ap manevre mechanste sou kabann yo! \q1 Lè maten rive, yo pratike li, \q1 paske sa nan pouvwa a men yo. \q1 \v 2 Yo lanvi chan a lòt, epi konsa yo sezi yo, \q1 kay yo, e konsa yo pran yo. \q1 Yo oprimen yon nonm ak kay li, \q1 Yon nonm ak tout eritaj li. \b \q1 \v 3 Pou sa, pale SENYÈ a: \q1 “Gade byen, Mwen ap fè yon plan kont pèp sa a, \q1 yon malè k ap fè nou p ap ka retire kou nou; \q1 ni nou p ap ka mache ak awogans, \q1 paske sa se yon \x + \xo 2:3 \xo*\xt Det 28:48; Am 5:13 \xt*\x*move tan. \q1 \v 4 Nan jou sa a, yo va \x + \xo 2:4 \xo*\xt Hab 2:6 \xt*\x*fè leve kont nou yon pawòl; \q1 mokè yo va kriye ak yon lamantasyon tris. \q1 Yo va di: ‘Nou fin \x + \xo 2:4 \xo*\xt És 6:11\xt*\x*detwi nèt! \q1 Li divize eritaj a pèp mwen an. \q1 A la retire, Li retire l nan men mwen! \q1 Li bay moun trèt yo! Li divize bay chan nou yo!’” \q1 \v 5 Akoz sa, nou p ap gen pèsòn ki va tann \x + \xo 2:5 \xo*\xt Nonb 34:13,16-29\xt*\x*lign mezi \q1 pou fè tiraj osò nan asanble SENYÈ a. \q1 \v 6 “Pa pwofetize”!—yo pwofetize— \q1 “Pa pwofetize de bagay de sila yo. \q1 Repwòch sa yo p ap janm rive nou.” \q1 \v 7 Èske sa dwe pale, O Lakay Jacob? \q1 “Èske Lespri SENYÈ a pa \x + \xo 2:7 \xo*\xt És 50:2\xt*\x*an kolè? \q1 Èske bagay sa yo se zèv pa Li? \q1 Èske pawòl Mwen yo pa fè byen \q1 pou sila k ap mache dwat la?” \q1 \v 8 Men koulye a, pèp Mwen an leve tankou yon \x + \xo 2:8 \xo*\xt Jr 12:8\xt*\x*ènmi. \q1 Nou chire retire manto ak abiman \q1 de sila k ap pase pa aza yo; \q1 moun k ap retounen, soti nan lagè. \q1 \v 9 Fanm a pèp Mwen yo, nou \x + \xo 2:9 \xo*\xt Jr 10:20\xt*\x*chase yo deyò \q1 pou soti kite bèl ti kay yo. \q1 Nan men jèn pitit yo, nou rache retire \q1 tout benediksyon Mwen, jis pou tout tan. \q1 \v 10 Leve ale! \q1 Se pa isit ou ap jwenn repo; \q1 li plen ak sa ki \x + \xo 2:10 \xo*\xt Sòm 106:38\xt*\x*pa pwòp, sa kab detwi, \q1 menm avèk yon destriksyon byen grav. \q1 \v 11 Si yon nonm ap mache nan yon \q1 lespri manti pou l di: \q1 \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jr 5:31\xt*\x* “Mwen va pale avèk nou konsènan \q1 diven ak bwason fò,” \q1 li ta kapab menm vin pwofèt a \x + \xo 2:11 \xo*\xt És 30:10,11 \xt*\x*pèp sa a. \q1 \v 12 Anverite, Mwen va \x + \xo 2:12 \xo*\xt Mi 4:6,7 \xt*\x*rasanble nou tout, O Jacob! \q1 Anverite, Mwen va ranmase \x + \xo 2:12 \xo*\xt Mi 5:7,8\xt*\x*retay Israël yo. \q1 Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak; \q1 tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo. \q1 Y ap plenn ak moun. \q1 \v 13 Sila k ap ouvri kraze chemen a va ale devan yo. \q1 Yo kraze pòtay la pou soti. \q1 Se wa yo ki pase devan yo, \q1 ak SENYÈ la a latèt yo. \c 3 \p \v 1 Konsa, mwen te di: \q1 “Koute koulye a, chèf a Jacob yo ak sila \q1 k ap gouvène lakay Israël yo. \q1 Èske nou pa dwe konnen lajistis?\x + \xo 3:1 \xo*\xt Sòm 82:1-5\xt*\x* \q1 \v 2 Nou menm ki rayi sa ki bon, \q1 e ki renmen sa ki mal; \q1 ki \x + \xo 3:2 \xo*\xt Sòm 53:4\xt*\x*chire po yo sou kò yo, \q1 ak chè yo soti sou zo yo; \q1 \v 3 k ap anplis\x + \xo 3:3 \xo*\xt Sòm 14:4 \xt*\x*manje chè pèp Mwen an, \q1 chire po yo sou yo, kraze zo yo \q1 e \x + \xo 3:3 \xo*\xt Éz 11:3\xt*\x*koupe yo an mòso, \q1 tankou se pou mete nan chodyè, \q1 tankou vyann nan bonm nan. \q1 \v 4 Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a, \q1 men Li p ap reponn yo. \q1 Olye de sa, nan lè sa a, Li va \x + \xo 3:4 \xo*\xt Det 31:17; És 3:11\xt*\x*kache figi li a yo menm, \q1 akoz yo te pratike zak ki mechan.” \p \v 5 Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te \x + \xo 3:5 \xo*\xt És 3:12 \xt*\x*mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè. \q1 \v 6 Akoz sa, li fènwa \x + \xo 3:6 \xo*\xt És 8:20-22 \xt*\x* sou nou—san vizyon \q1 e fènwa pou nou—san apèsi davni. \q1 \x + \xo 3:6 \xo*\xt És 59:10\xt*\x*Solèy la va kouche sou pwofèt yo, \q1 e lajounen va vin fènwa sou yo. \q1 \v 7 Vwayan yo va wont \q1 e \x + \xo 3:7 \xo*\xt És 44:25 \xt*\x*divinò yo va nan konfizyon. \q1 Anverite, yo tout va \x + \xo 3:7 \xo*\xt Mi 7:16\xt*\x*kouvri bouch yo \q1 akoz Bondye pa reponn. \q1 \v 8 Men kanta mwen menm, \q1 \x + \xo 3:8 \xo*\xt És 61:1-2 \xt*\x*mwen ranpli ak pouvwa pa Lespri SENYÈ a, \q1 ak jistis ak kouraj Li, \q1 pou \x + \xo 3:8 \xo*\xt És 58:1\xt*\x*fè Jacob konnen zak rebelyon li an; \q1 menm a Israël, peche pa l la. \q1 \v 9 Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo, \q1 ak sila k ap gouvène lakay Israël yo, \q1 ki \x + \xo 3:9 \xo*\xt Sòm 58:1,2 \xt*\x*rayi jistis, \q1 e ki vire tòde tout sa ki dwat, \q1 \v 10 Ki \x + \xo 3:10 \xo*\xt Jr 22:13,17\xt*\x*bati Sion ak san koule, \q1 e Jérusalem ak vyolans e enjistis. \q1 \v 11 Chèf li yo fè \x + \xo 3:11 \xo*\xt És 1:23 \xt*\x*jijman \q1 pou jwenn sa ki glise anba tab, \q1 e \x + \xo 3:11 \xo*\xt Jr 6:13\xt*\x*prèt li yo enstwi pou kòb, \q1 pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. \q1 Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. \q1 Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? \q1 Okenn malè p ap rive sou nou.” \q1 \v 12 Konsa, akoz nou menm, \q1 \x + \xo 3:12 \xo*\xt Jr 26:18\xt*\x*Sion va vin raboure tankou yon chan, \q1 e \x + \xo 3:12 \xo*\xt Sòm 79:1\xt*\x*Jérusalem va vin yon pil mazi, \q1 e mòn tanp lan va devni \q1 tankou wo plas yo nan forè a. \b \c 4 \p \v 1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn \q1 a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. \q1 Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo \q1 va kouri kon dlo pou rive kote l.\x + \xo 4:1 \xo*\xt És 2:2-4; Sòm 22:27\xt*\x* \q1 \v 2 Anpil nasyon va vin di: \q1 “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, \q1 lakay Bondye Jacob la, \q1 pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo \q1 e pou nou ka mache sou pa Li yo.” \q1 Paske depi nan Sion, lalwa va sòti \q1 e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.\x + \xo 4:2 \xo*\xt És 2:3; Sòm 25:8,9,12\xt*\x* \q1 \v 3 Konsa, Li va \x + \xo 4:3 \xo*\xt És 2:4 \xt*\x*jije antre anpil pèp e pran \q1 desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen. \q1 Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen \x + \xo 4:3 \xo*\xt Jl 3:10\xt*\x*cha \q1 pou laboure latè yo, \q1 ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj. \q1 Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e \q1 p ap aprann fè lagè ankò. \q1 \v 4 Men yo va fè chak moun \x + \xo 4:4 \xo*\xt I Wa 4:25; Lev 26:6 \xt*\x*chita anba chan \q1 rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. \q1 Pèsòn p ap fè yo pè: \q1 paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa. \q1 \v 5 Malgre tout pèp yo mache \q1 nan non dye pa yo, pou nou menm, \q1 \x + \xo 4:5 \xo*\xt Za 10:12\xt*\x*nou va mache nan non SENYÈ Bondye \q1 nou an jis pou tout tan e pou tout tan. \q1 \v 6 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, \q1 “Mwen va \x + \xo 4:6 \xo*\xt Sòm 147:2\xt*\x*rasanble moun bwate yo, \q1 e Mwen va reyini moun rejte yo, \q1 ak sa ke M te aflije yo. \q1 \v 7 Mwen va fè moun bwate yo \q1 vin yon \x + \xo 4:7 \xo*\xt Mi 5:7,8 \xt*\x*retay, e moun rejte yo \q1 vin yon nasyon pwisan; \q1 Konsa, \x + \xo 4:7 \xo*\xt És 24:23\xt*\x*SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion \q1 depi koulye a rive jis pou tout tan.” \q1 \v 8 A nou menm, \x + \xo 4:8 \xo*\xt Sòm 48:3,12 \xt*\x* wo tou bann mouton an, \q1 mòn fi Sion an, \q1 sou ou menm, li va retounen. \q1 Wi, menm \x + \xo 4:8 \xo*\xt És 1:26\xt*\x*ansyen pouvwa a, \q1 wayòm nan de fi Jérusalem nan. \b \q1 \v 9 Alò, poukisa ou \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jr 8:19 \xt*\x*rele anmwey konsa? \q1 Èske pa gen wa pami nou? \q1 Èske \x + \xo 4:9 \xo*\xt És 3:1-3\xt*\x*konseye nou an fin peri? \q1 Kite gwo doulè a sezi nou \q1 kon yon fanm k ap pouse fè pitit? \q1 \v 10 Se pou ou vin an doulè, \q1 doulè pou pouse fè pitit \q1 fi a Sion an, \q1 kon yon fanm ki ansent; \q1 paske koulye a, ou va \x + \xo 4:10 \xo*\xt II Wa 20:18 \xt*\x*sòti nan vil la \q1 pou rete nan chan, \q1 e ou va ale menm nan Babylone. \q1 \x + \xo 4:10 \xo*\xt És 43:14\xt*\x*La, ou va delivre. \q1 La, SENYÈ a va rachte ou, \q1 soti nan men ènmi ou yo. \b \q1 \v 11 Epi koulye a, gen \x + \xo 4:11 \xo*\xt És 5:25-30\xt*\x*anpil nasyon \q1 ki rasanble kont ou k ap di: \q1 “Kite li fin souye nèt, \q1 e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.” \q1 \v 12 Men yo pa \x + \xo 4:12 \xo*\xt Sòm 147:19,20\xt*\x*konnen refleksyon a SENYÈ a, \q1 ni yo pa konprann bi Li a; \q1 paske Li te ranmase moun sa yo, \q1 kon pakèt sereyal yo, \q1 pou pote sou glasi vannen an. \q1 \v 13 Leve pou \x + \xo 4:13 \xo*\xt És 41:15 \xt*\x*bat jèm nan, O fi Sion an! \q1 Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, \q1 e zago ou kon yon zago an bwonz. \q1 Ou va \x + \xo 4:13 \xo*\xt Jr 51:20-23\xt*\x*bat an mòso anpil pèp, \q1 pou ou kapab konsakre a SENYÈ a \q1 tout richès enjis pa yo, \q1 ke nou ranmase ak tout byen pa yo, \q1 bay SENYÈ tout latè a. \b \c 5 \p \v 1 Alò, rasanble nou an twoup lame, \q1 O fi a lame yo. \q1 Li fin fè syèj kont nou. \q1 Ak gwo baton, yo va \x + \xo 5:1 \xo*\xt I Wa 22:24\xt*\x*frape jij Israël la sou machwè. \q1 \v 2 Men ou menm, Bethléhem Éphrata, \q1 pi piti pami fanmi a Juda yo, \q1 nan \x + \xo 5:2 \xo*\xt És 11:1; Jr 30:21\xt*\x*ou va soti de Mwen \q1 Youn pou vin chèf an Israël. \q1 Lè pou L vin parèt la te etabli depi \q1 nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo. \q1 \v 3 Akoz sa, Li va \x + \xo 5:3 \xo*\xt Os 11:8\xt*\x*abandone yo jiskaske \q1 sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la. \q1 Nan lè sa a, retay nan frè li yo \q1 va retounen vin jwenn fis Israël yo. \q1 \v 4 Konsa Li va leve pou mennen \q1 \x + \xo 5:4 \xo*\xt És 40:11 \xt*\x* bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, \q1 nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. \q1 Epi yo va viv, paske nan tan sa a, \q1 Li va pwisan jis rive nan \x + \xo 5:4 \xo*\xt És 45:22\xt*\x*dènye pwent latè. \q1 \v 5 Li va lapè nou\x + \xo 5:5 \xo*\xt És 9:6; És 8:7-8\xt*\x* lè Asiryen yo vini nan peyi nou an, \q1 e lè li va mache nan palè nou yo. \q1 Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal. \q1 \v 6 Yo va \x + \xo 5:6 \xo*\xt Na 2:11-13 \xt*\x*regle peyi Assyrie ak nepe, \q1 ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. \q1 Konsa, li va \x + \xo 5:6 \xo*\xt És 14:25\xt*\x*delivre nou soti nan men Asiryen an \q1 lè l fè envazyon peyi nou an, \q1 ak lè li mache anndan fwontyè nou an. \q1 \v 7 Epi konsa, \x + \xo 5:7 \xo*\xt Mi 2:12\xt*\x*retay Jacob la va \q1 nan mitan anpil nasyon pèp yo, \q1 tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, \q1 tankou lapli k ap farinen sou zèb, \q1 ki p ap tann lòm, \q1 ni fè reta pou fis a lòm yo. \q1 \v 8 Retay Jacob la va pami nasyon yo, \q1 pami anpil pèp; \q1 Tankou yon lyon pami bèt forè, \q1 tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; \q1 li menm, si l pase, mache, dechire an mòso \q1 e \x + \xo 5:8 \xo*\xt Jen 49:9; Sòm 50:22 \xt*\x*p ap gen pèsòn ki pou delivre. \q1 \v 9 Ke men ou vin \x + \xo 5:9 \xo*\xt Sòm 10:12\xt*\x*leve kont advèsè Ou yo \q1 e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt. \q1 \v 10 “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a, \q1 \x + \xo 5:10 \xo*\xt Za 9:10\xt*\x*“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou \q1 e Mwen va detwi cha lagè nou yo. \q1 \v 11 “Anplis, Mwen va koupe retire \x + \xo 5:11 \xo*\xt És 1:7\xt*\x*vil \q1 nan peyi nou yo, e mwen va jete tout \q1 miray fòterès nou yo. \q1 \v 12 Mwen va koupe retire zafè tout \x + \xo 5:12 \xo*\xt Det 18:10-12\xt*\x*wanga \q1 soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò. \q1 \v 13 \x + \xo 5:13 \xo*\xt És 2:18\xt*\x*Mwen va retire imaj taye nou yo ak \q1 pilye sakre ki pami nou yo, \q1 pou nou pa adore zèv men nou yo ankò. \q1 \v 14 Mwen va dechouke \x + \xo 5:14 \xo*\xt Egz 34:13\xt*\x*Asherim ki pami nou yo, \q1 e mwen va detwi vil nou yo. \q1 \v 15 Epi Mwen va \x + \xo 5:15 \xo*\xt És 1:24\xt*\x*egzekite vanjans kòlè \q1 ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.” \c 6 \p \v 1 Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di: \q1 “Leve, plede ka ou devan mòn yo; \q1 kite kolin yo tande vwa ou. \q1 \v 2 Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, \q1 e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. \q1 Paske \x + \xo 6:2 \xo*\xt És 1:18\xt*\x*SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, \q1 e Li va plede ka Li ak Israël. \q1 \v 3 “Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou? \q1 \x + \xo 6:3 \xo*\xt Jr 2:5; És 43:22,23 \xt*\x*Nan kisa Mwen te fatige ou? \q1 Reponn Mwen! \q1 \v 4 Anverite Mwen te mennen nou \q1 monte soti nan peyi Égypte. \q1 Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. \q1 Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”\x + \xo 6:4 \xo*\xt Det 7:8; Egz 4:10-16 \xt*\x* \q1 \v 5 Pèp mwen, sonje koulye a konsèy \q1 Balak, wa Moab la ak sa Balaam, \q1 fis a Beor a, te reponn li depi \q1 nan Sittim rive Guilgal, \q1 pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.” \b \q1 \v 6 \x + \xo 6:6 \xo*\xt Sòm 40:6-8\xt*\x*Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a, \q1 e bese m ba devan Bondye anlè a? \q1 Èske mwen ta vini ak ofrann brile, \q1 ak ti bèf ki gen yon lane? \q1 \v 7 Èske SENYÈ a pran plezi nan \x + \xo 6:7 \xo*\xt Sòm 50:9 \xt*\x* milye de belye yo? \q1 Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo? \q1 Èske se \x + \xo 6:7 \xo*\xt Lev 18:21\xt*\x*premye ne mwen an mwen dwe bay \q1 pou zak rebelyon mwen yo? \q1 Fwi a kò m pou peche nanm mwen an? \q1 \v 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon. \q1 Ki sa SENYÈ a egzije de ou? \q1 Sèl pou \x + \xo 6:8 \xo*\xt És 56:1 \xt*\x*fè sa ki jis, renmen \x + \xo 6:8 \xo*\xt Os 6:6\xt*\x*Mizerikòd, \q1 e mache nan imilite ak Bondye ou a? \q1 \v 9 Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, \q1 e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. \q1 “Koute baton an, \q1 ak Sila ki te deziye l. \q1 \v 10 Èske toujou gen trezò \x + \xo 6:10 \xo*\xt Jr 5:26,27\xt*\x*mechanste \q1 lakay mechan an, ak yon mezi ki manke? \q1 Ki se madichonnen? \q1 \v 11 Èske Mwen kapab tolere yon \x + \xo 6:11 \xo*\xt Lev 19:36\xt*\x* fo balans \q1 ak yon sachè fo pèz? \q1 \v 12 Paske moun rich li yo plen vyolans. \q1 Rezidan li yo fè \x + \xo 6:12 \xo*\xt Jr 9:2-6,8 \xt*\x*manti, \q1 e \x + \xo 6:12 \xo*\xt És 3:8\xt*\x*lang yo twonpe soti nan bouch yo. \b \q1 \v 13 Konsa tou, Mwen te frape ou ak \x + \xo 6:13 \xo*\xt Mi 1:9; És 1:7\xt*\x*yon blesi grav. \q1 Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo. \q1 \v 14 Ou va manje, men ou \x + \xo 6:14 \xo*\xt És 9:20 \xt*\x*p ap satisfè. \q1 Imilyasyon ou va nan mitan ou. \q1 Ou va vin mete sou kote, \q1 men ou p ap \x + \xo 6:14 \xo*\xt És 30:6\xt*\x*konsève, \q1 e sa ke ou t ap rezève a, \q1 Mwen va bay li a nepe. \q1 \v 15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte. \q1 Ou va kraze grenn oliv anba pye, \q1 men ou menm p ap onksyone ak lwil; \q1 kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.\x + \xo 6:15 \xo*\xt Det 28:38-40; Am 5:11\xt*\x* \q1 \v 16 Paske se règleman \x + \xo 6:16 \xo*\xt I Wa 16:25,26 \xt*\x*Omri yo nou kenbe, \q1 ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, \q1 e se nan konsèy yo ke nou \x + \xo 6:16 \xo*\xt Jr 7:24\xt*\x*mache. \q1 Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. \q1 Pèp ou a va giyonnen, \q1 e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.” \b \c 7 \p \v 1 Malè a mwen menm! \q1 Anverite, mwen tankou moun \q1 k ap ranmase fwi gran sezon, \q1 k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. \q1 Pa gen grap rezen pou manje, \q1 ni yon grenn \x + \xo 7:1 \xo*\xt És 28:4\xt*\x*premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute. \q1 \v 2 Moun fidèl \x + \xo 7:2 \xo*\xt És 57:1 \xt*\x*fin disparèt sou latè a, \q1 e nanpwen moun dwat pami lòm. \q1 Yo tout kouche an anbiskad pou \x + \xo 7:2 \xo*\xt És 59:7\xt*\x*vèse san; \q1 yo tout fè lachas dèyè frè yo ak pèlen. \q1 \v 3 Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l \x + \xo 7:3 \xo*\xt Pwov 4:16,17 \xt*\x*byen. \q1 Prens lan mande, e jij la prè pou yon \x + \xo 7:3 \xo*\xt Am 5:12\xt*\x*glise anba tab. \q1 Yon nonm pwisan prezante tout mechanste \q1 ke nanm li bezwen. \q1 Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl. \q1 \v 4 Pi bon nan yo se pikan. \q1 Pi dwat la pi mal pase kloti zepin. \q1 Jou gadyen ou, \q1 jou \x + \xo 7:4 \xo*\xt És 10:3\xt*\x*vizitasyon ou an fin rive. \q1 Koulye a y ap \x + \xo 7:4 \xo*\xt És 22:5 \xt*\x*boulvèse, egare nèt. \q1 \v 5 Pa \x + \xo 7:5 \xo*\xt Jr 9:4\xt*\x*fè konfyans ak yon vwazen. \q1 Pa fè konfyans ak yon zanmi. \q1 Ak fi la k ap kouche ak ou a, \q1 gade pòt bouch ou! \q1 \v 6 Paske \x + \xo 7:6 \xo*\xt Mat 10:21,25\xt*\x*fis la derespekte papa a, \q1 e fi a leve kont manman li, \q1 bèlfi a kont bèlmè li; \q1 lènmi a yon nonm se anndan lakay li. \q1 \v 7 Men pou mwen menm, \q1 mwen va \x + \xo 7:7 \xo*\xt Hab 2:1 \xt*\x*gade vè SENYÈ a. \q1 Mwen va \x + \xo 7:7 \xo*\xt Sòm 130:5\xt*\x*tann Bondye a sali mwen an. \q1 Bondye mwen an va koute mwen. \q1 \v 8 \x + \xo 7:8 \xo*\xt Pwov 24:17\xt*\x*Pa rejwi nou kont mwen menm, O lènmi mwen. \q1 Malgre mwen tonbe, mwen va leve ankò. \q1 Malgre mwen chita nan tenèb, \q1 SENYÈ a va yon \x + \xo 7:8 \xo*\xt És 9:2 \xt*\x*limyè pou mwen. \q1 \v 9 Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a, \q1 akoz mwen te peche kont Li, \q1 jiskaske li \x + \xo 7:9 \xo*\xt Jr 50:34\xt*\x*plede ka mwen an, \q1 e egzekite jijman pou mwen. \q1 Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè, \q1 e mwen va wè ladwati Li. \q1 \v 10 Answit, lènmi m va wè sa, \q1 e gwo wont va kouvri fi la ki te di m: \q1 “Kote SENYÈ Bondye ou a?” \q1 Zye m va gade fi sa a. \q1 Epi konsa, nan lè sa a, li va \q1 vin foule anba pye tankou kras labou nan lari.\x + \xo 7:10 \xo*\xt És 51:23\xt*\x* \q1 \v 11 Sa va yon jou pou \x + \xo 7:11 \xo*\xt És 54:11\xt*\x*bati miray ou yo. \q1 Nan jou sa a, lizyè ou yo va vin grandi. \q1 \v 12 Sa va yon jou ke yo va \x + \xo 7:12 \xo*\xt És 19:23-25\xt*\x*vin kote ou \q1 soti Assyrie ak vil Égypte yo; \q1 soti Égypte menm pou rive Rivyè Euphrate la, \q1 menm soti nan lanmè, \q1 rive nan lanmè, \q1 nan mòn rive nan mòn. \q1 \v 13 Malgre, latè va vin \x + \xo 7:13 \xo*\xt Jr 25:11\xt*\x*dezole \q1 akoz sila k ap viv ladann yo, \q1 akoz fwi a zak yo. \q1 \v 14 \x + \xo 7:14 \xo*\xt Sòm 95:7\xt*\x*Mennen pèp Ou a ak kwòk beje Ou a, \q1 bann mouton a eritaj Ou a, \q1 ki rete pou kont yo, nan forè. \q1 Kite yo manje nan mitan bon pa, \q1 nan Basan ak Galaad, \x + \xo 7:14 \xo*\xt Am 9:11 \xt*\x*tankou nan ansyen tan an. \q1 \v 15 “Tankou nan jou lè ou te sòti nan peyi Égypte la, \q1 Mwen va montre ou \x + \xo 7:15 \xo*\xt Egz 3:20 \xt*\x*Mirak.” \q1 \v 16 Nasyon yo \x + \xo 7:16 \xo*\xt És 26:11 \xt*\x*va wè, \q1 e yo va wont de tout pwisans yo. \q1 Yo va \x + \xo 7:16 \xo*\xt Mi 3:7\xt*\x*mete men yo sou bouch yo; \q1 zòrèy yo va vin soud. \q1 \v 17 Yo va niche pousyè tankou sèpan. \q1 Tankou bagay k ap ranpe sou latè, \q1 yo va sòti \x + \xo 7:17 \xo*\xt Sòm 18:45 \xt*\x*tou ap tranble nan sitadèl souteren yo. \q1 Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak \x + \xo 7:17 \xo*\xt És 25:3\xt*\x*gwo lakrent; \q1 konsa, yo va pè devan Ou. \q1 \v 18 Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, \q1 ki \x + \xo 7:18 \xo*\xt Egz 34:7,9 \xt*\x*padone inikite, \q1 e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? \q1 Li pa \x + \xo 7:18 \xo*\xt Sòm 103:8,9,13\xt*\x*kenbe kòlè li pou tout tan an, \q1 akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li. \q1 \v 19 Li va gen konpasyon pou nou ankò. \q1 \x + \xo 7:19 \xo*\xt Jr 50:20\xt*\x*Li va foule inikite nou yo anba pye L. \q1 Wi, Ou va \x + \xo 7:19 \xo*\xt És 38:17 \xt*\x*jete tout peche yo nan fon lanmè. \q1 \v 20 Ou va bay \x + \xo 7:20 \xo*\xt Jen 24:27\xt*\x*verite a Jacob \q1 ak mizerikòd a Abraham, \q1 tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo \q1 depi nan jou ansyen yo.