\id MAL \ide UTF-8 \h Malachie \toc1 MALACHIE \toc2 Malachie \toc3 Mal \mt1 MALACHIE \c 1 \p \v 1 \x + \xo 1:1 \xo*\xt És 13:1\xt*\x*Revelasyon pawòl SENYÈ a bay Israël pa Malachie. \p \v 2 “Mwen te \x + \xo 1:2 \xo*\xt Det 4:37\xt*\x*renmen nou,” pale SENYÈ a. \p Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?” \p “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen; \v 3 men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te \x + \xo 1:3 \xo*\xt Jr 49:10,16-18\xt*\x*fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.” \v 4 Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, \x + \xo 1:4 \xo*\xt Jr 5:17 \xt*\x*men nou va \x + \xo 1:4 \xo*\xt És 9:9,10\xt*\x*retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.” \p \v 5 Zye nou va wè sa e nou va di: “SENYÈ a gran, menm pi lwen lizyè Israël la!”\x + \xo 1:5 \xo*\xt Sòm 35:27\xt*\x* \p \v 6 “Yon fis \x + \xo 1:6 \xo*\xt Egz 20:12 \xt*\x*onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon \x + \xo 1:6 \xo*\xt Det 1:31 \xt*\x*papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’ \v 7 N ap ofri \x + \xo 1:7 \xo*\xt Lev 3:11\xt*\x*pen ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’ \v 8 Lè nou ofri \x + \xo 1:8 \xo*\xt Jr 27:18\xt*\x* bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate, e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ Dèzame yo. \p \v 9 Men koulye a, chèche mande favè Bondye, pou Li kapab beni nou? Ak yon ofrann konsa, èske L ap aksepte okenn nan nou ak dousè? mande SENYÈ Dèzame yo.\x + \xo 1:9 \xo*\xt Jr 27:18\xt*\x* \p \v 10 O ke te genyen youn nan nou pou ta \x + \xo 1:10 \xo*\xt És 1:13\xt*\x*fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli. \v 11 Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, \x + \xo 1:11 \xo*\xt Sòm 111:9\xt*\x*non Mwen va \x + \xo 1:11 \xo*\xt És 66:18,19 \xt*\x*gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo. \v 12 “Men nou ap \x + \xo 1:12 \xo*\xt Mal 1:7\xt*\x*pwofane li lè nou di: ‘Tab SENYÈ a vin souye, fwi li, menm manje li vin meprizab.’ \v 13 Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Konsa, nou te pote sa ke yo te pran nan \x + \xo 1:13 \xo*\xt Lev 6:4 \xt*\x*vyolans, sa ki te \x + \xo 1:13 \xo*\xt Mal 1:8\xt*\x*bwate ak sa ki te malad. Konsa menm, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a. \p \v 14 “Men malè pou sila k ap \x + \xo 1:14 \xo*\xt Trav 5:1-4 \xt*\x*twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon \x + \xo 1:14 \xo*\xt Lev 22:18-20\xt*\x*bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonnan pami nasyon yo.” \c 2 \p \v 1 “Alò, koulye a, prèt yo, lòd sa a se pou nou. \v 2 Si nou \x + \xo 2:2 \xo*\xt Lev 26:14,15\xt*\x*pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè. \v 3 Gade byen, Mwen va fè repwòch nou rive jis sou desandan nou yo, e Mwen va gaye poupou sou figi nou, menm poupou a festen nou yo; epi nou va vin disparèt ansanm avè l.\x + \xo 2:3 \xo*\xt Lev 26:16\xt*\x* \v 4 Konsa, nou va konnen ke Mwen te voye lòd sa a bannou, pou \x + \xo 2:4 \xo*\xt Nonb 3:11-13,45\xt*\x*akò Mwen an kapab kontinye ak Lévi”, pale SENYÈ dèzame yo. \v 5 “Akò Mwen an avèk li se te akò pou lavi ak lapè. Mwen te bay li yo pou li ta kab vin gen lakrent anvè M; epi konsa, li te krent Mwen e te vin gen gwo lakrent pou non Mwen.\x + \xo 2:5 \xo*\xt Nonb 25:7,8,13\xt*\x* \v 6 \x + \xo 2:6 \xo*\xt Sòm 119:142,151,160\xt*\x*Lalwa verite a te nan bouch li, e inikite pa t janm sou lèv li. Li te mache avè M nan lapè ak ladwati, e li te \x + \xo 2:6 \xo*\xt Jr 23:22 \xt*\x*detounen anpil moun soti nan inikite. \v 7 Paske lèv a yon prèt dwe gade \x + \xo 2:7 \xo*\xt Lev 10:11\xt*\x*konesans, e moun ta dwe \x + \xo 2:7 \xo*\xt Nonb 27:21 \xt*\x*chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo. \v 8 Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun \x + \xo 2:8 \xo*\xt Jr 18:15\xt*\x*chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a,” pale SENYÈ dèzame yo. \v 9 “Akoz sa \x + \xo 2:9 \xo*\xt Na 3:6\xt*\x*Mwen te fè nou vin meprizab tou, e vin \x + \xo 2:9 \xo*\xt Éz 7:26 \xt*\x*imilye devan tout pèp la, akoz nou pa t gade chemen Mwen yo, men nou te nan patipri nan lalwa a. \v 10 Èske se pa \x + \xo 2:10 \xo*\xt És 63:16\xt*\x*yon sèl papa nou genyen? \x + \xo 2:10 \xo*\xt Trav 17:24 \xt*\x*Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo? \v 11 Juda te aji nan \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jr 3:7-9\xt*\x*enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te \x + \xo 2:11 \xo*\xt Esd 9:1,2 \xt*\x*pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje. \v 12 SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.\x + \xo 2:12 \xo*\xt Jr 11:14\xt*\x* \p \v 13 “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz \x + \xo 2:13 \xo*\xt Jr 11:14\xt*\x*Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou. \v 14 Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm \x + \xo 2:14 \xo*\xt És 54:6\xt*\x*ak madanm jenès nou an, kont sila nou te \x + \xo 2:14 \xo*\xt Jr 9:2 \xt*\x*aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an. \v 15 Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache \x + \xo 2:15 \xo*\xt Rt 4:12\xt*\x*desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa \x + \xo 2:15 \xo*\xt Egz 20:14 \xt*\x*aji an trèt kont madanm jenès li a. \v 16 Youn ki rayi epi\x + \xo 2:16 \xo*\xt Det 24:1\xt*\x*divòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, ke nou pa enfidèl. \p \v 17 “Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: \x + \xo 2:17 \xo*\xt És 5:20\xt*\x*‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li \x + \xo 2:17 \xo*\xt Job 9:24 \xt*\x*pran plezi nan yo;’ oswa ‘Kote Bondye jistis la ye?’” \c 3 \p \v 1 \x + \xo 3:1 \xo*\xt Mat 11:10,14\xt*\x*“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va \x + \xo 3:1 \xo*\xt És 40:3 \xt*\x*netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo. \v 2 “Men se kilès k ap ka \x + \xo 3:2 \xo*\xt És 33:14\xt*\x*sipòte jou vini Li an? Oswa, se kilès k ap ka kanpe lè Li parèt la? Paske se va tankou dife nan founo a, e se va tankou savon lesiv. \v 3 Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va \x + \xo 3:3 \xo*\xt És 1:25\xt*\x*pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati. \v 4 Konsa, ofrann Juda ak Jérusalem yo va yon \x + \xo 3:4 \xo*\xt Sòm 51:17-19\xt*\x*plezi pou SENYÈ a, tankou nan jou ansyen ak jou lontan yo. \p \v 5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont \x + \xo 3:5 \xo*\xt Det 18:10\xt*\x*wangatè yo, kont moun \x + \xo 3:5 \xo*\xt Éz 22:9-11 \xt*\x*adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo. \p \v 6 “Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen \x + \xo 3:6 \xo*\xt Nonb 23:19\xt*\x*pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt. \v 7 Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. \x + \xo 3:7 \xo*\xt Za 1:3\xt*\x*Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’ \p \v 8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo.\x + \xo 3:8 \xo*\xt Né 13:11,12\xt*\x* \v 9 Nou vin \x + \xo 3:9 \xo*\xt Mal 2:2\xt*\x*modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! \v 10 \x + \xo 3:10 \xo*\xt Lev 27:30\xt*\x*Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. \v 11 Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap \x + \xo 3:11 \xo*\xt Jl 1:4\xt*\x*devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. \v 12 “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo. \p \v 13 “Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’ \v 14 “Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?\x + \xo 3:14 \xo*\xt És 58:3\xt*\x* \v 15 Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo \x + \xo 3:15 \xo*\xt Jr 7:10\xt*\x*chape.’” \p \v 16 Answit, sila ki te \x + \xo 3:16 \xo*\xt Sòm 34:15\xt*\x*gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo. \v 17 “Konsa, yo va vin \x + \xo 3:17 \xo*\xt És 43:1 \xt*\x*pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta \x + \xo 3:17 \xo*\xt Sòm 103:13\xt*\x*fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.” \v 18 Konsa, nou va retounen pou nou \x + \xo 3:18 \xo*\xt Jen 18:25\xt*\x* byen konprann diferans la antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li. \c 4 \p \v 1 “Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.\x + \xo 4:1 \xo*\xt Sòm 21:9; És 9:18,19\xt*\x* \v 2 Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, \x + \xo 4:2 \xo*\xt II Sam 23:4; Jr 30:17 \xt*\x*solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo. \v 3 Nou va \x + \xo 4:3 \xo*\xt Job 40:12\xt*\x*foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo. \p \v 4 \x + \xo 4:4 \xo*\xt Det 4:23\xt*\x*“Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo. \p \v 5 “Gade byen, Mwen ap voye bannou \x + \xo 4:5 \xo*\xt Mat 11:14\xt*\x*Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a. \v 6 Li va \x + \xo 4:6 \xo*\xt Luc 1:17\xt*\x*tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin \x + \xo 4:6 \xo*\xt És 11:4 \xt*\x*frape peyi a avèk yon malediksyon.”