\id LEV \ide UTF-8 \h Levitik \toc1 LEVITIK YO \toc2 Levitik Yo \toc3 Lev \mt1 LEVITIK YO \c 1 \p \v 1 Alò, \x + \xo 1:1 \xo*\xt Egz 19:3 \xt*\x*SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di: \v 2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nenpòt moun nan nou pote yon ofrann bay SENYÈ a, nou va pote ofrann bèt ki sòti nan \x + \xo 1:2 \xo*\xt Lev 22:18 \xt*\x*twoupo a, oswa nan bann mouton an. \p \v 3 “‘Si ofrann li an se yon ofrann \x + \xo 1:3 \xo*\xt Lev 6:8-13 \xt*\x*brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a. \v 4 \x + \xo 1:4 \xo*\xt Egz 29:10 \xt*\x*Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li. \v 5 Li va touye jenn towo a devan SENYÈ a. Konsa, fis Aaron yo, ki se prèt yo, va ofri \x + \xo 1:5 \xo*\xt Lev 17:11 \xt*\x*san an e \x + \xo 1:5 \xo*\xt Eb 12:24\xt*\x*flite li toutotou lotèl ki nan pòtay tant asanble a. \v 6 \x + \xo 1:6 \xo*\xt Lev 7:8 \xt*\x* Li va, answit, kòche ofrann brile a e koupe li an mòso. \v 7 \x + \xo 1:7 \xo*\xt Lev 6:8-13 \xt*\x*Fis Aaron yo, prèt la, va mete dife sou lotèl la e ranje bwa yo sou dife a. \v 8 Alò fis Aaron yo, prèt yo, va ranje mòso yo, tèt la avèk \x + \xo 1:8 \xo*\xt Lev 3:3-4 \xt*\x*grès ren an sou bwa ki sou lotèl la. \v 9 Men \x + \xo 1:9 \xo*\xt Egz 12:9 \xt*\x*zantray li yo avèk janm li yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi \x + \xo 1:9 \xo*\xt Nonb 28:11-14\xt*\x*prèt la va brile li nèt sou lotèl la kòm yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. \p \v 10 “‘Men si ofrann li an sòti nan bann bèt la, mouton oswa kabrit kòm yon ofrann brile, li va ofri li yon \x + \xo 1:10 \xo*\xt Éz 43:22 \xt*\x*mal, san defo. \v 11 \x + \xo 1:11 \xo*\xt Egz 24:6 \xt*\x*Li va touye li sou kote nò lotèl la, devan SENYÈ a, epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toutotou lotèl la. \v 12 Li va, answit, koupe li an mòso, avèk tèt li ak \x + \xo 1:12 \xo*\xt Lev 3:3-4 \xt*\x*grès ren li. Prèt la va ranje yo sou bwa ki sou dife ki sou lotèl la. \v 13 Men zantray li yo avèk janm yo, moun nan va lave yo avèk dlo. Epi \x + \xo 1:13 \xo*\xt Nonb 15:4-7 \xt*\x*prèt la va ofri tout nèt, e ofri li nan lafimen sou lotèl la. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. \p \v 14 “‘Men si ofrann li an bay SENYÈ a se yon ofrann brile fèt ak zwazo, alò, li va pote ofrann li an ak \x + \xo 1:14 \xo*\xt Lev 5:7-11 \xt*\x*toutrèl oswa jèn ti pijon. \v 15 Prèt la va ofri li sou lotèl la, e tòde kou li pou ofri li nan lafimen sou lotèl la; konsa, san li va koule \x + \xo 1:15 \xo*\xt Lev 5:9 \xt*\x*sou kote lotèl la. \v 16 Li va osi retire fal li avèk plim li yo e voye li sou kote lès lotèl la, nan plas \x + \xo 1:16 \xo*\xt Lev 6:10 \xt*\x*sann yo. \v 17 Li va chire li pa zèl li, \x + \xo 1:17 \xo*\xt Jen 15:10 \xt*\x*san fin separe l nèt. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la, sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann brile, yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous devan SENYÈ a. \c 2 \p \v 1 “‘Alò, lè yon moun prezante yon \x + \xo 2:1 \xo*\xt Lev 6:14-18 \xt*\x*ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li. \v 2 Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann \x + \xo 2:2 \xo*\xt Lev 5:12 \xt*\x* de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. \v 3 \x + \xo 2:3 \xo*\xt Lev 2:10 \xt*\x*Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a. \p \v 4 “‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk \x + \xo 2:4 \xo*\xt Egz 29:2 \xt*\x*gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. \v 5 Si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki \x + \xo 2:5 \xo*\xt Lev 6:21 \xt*\x*fèt nan pwalon, li va fèt avèk farin fen, san ledven, melanje avèk lwil. \v 6 Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal. \v 7 Alò si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt \x + \xo 2:7 \xo*\xt Lev 7:9 \xt*\x*nan yon chodyè, li va fèt avèk farin fen avèk lwil. \v 8 Ou va pote yon ofrann ki fèt avèk bagay sa yo bay SENYÈ a. Li va prezante a prèt la, e li va pote li devan lotèl la. \v 9 Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati \x + \xo 2:9 \xo*\xt Lev 2:2-16 \xt*\x*komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. \v 10 \x + \xo 2:10 \xo*\xt Egz 34:25 \xt*\x*Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo. \p \v 11 \x + \xo 2:11 \xo*\xt Egz 23:15 \xt*\x*“‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a. \v 12 \x + \xo 2:12 \xo*\xt Egz 34:22 \xt*\x*Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la. \v 13 Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke \x + \xo 2:13 \xo*\xt II Kwo 13:5 \xt*\x*sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl. \p \v 14 “‘Osi, si ou pote bay SENYÈ a, yon ofrann sereyal de bagay ofran premye fwi yo yo, ou va pote tèt sereyal yo byen fre, boukannen nan dife, grenn moulen a rekòlt avan lè a, kòm ofrann sereyal de ofran premye fwi yo. \v 15 Alò, ou va mete lwil sou li e poze lansan sou li; li se yon ofrann sereyal. \v 16 Prèt la va ofri nan lafimen \x + \xo 2:16 \xo*\xt Lev 2:2 \xt*\x*pati pou tout moun sonje a, yon pati sereyal moulen ak lwil li, avèk tout lansan li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a. \c 3 \p \v 1 “‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li \x + \xo 3:1 \xo*\xt Lev 1:3 \xt*\x*san defo devan SENYÈ a. \v 2 \x + \xo 3:2 \xo*\xt Lev 1:4 \xt*\x*Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e \x + \xo 3:2 \xo*\xt Egz 29:11-20\xt*\x*touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la. \v 3 Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo, \v 4 epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo. \v 5 Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la \x + \xo 3:5 \xo*\xt Egz 29:38-42 \xt*\x*sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. \p \v 6 “‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl \x + \xo 3:6 \xo*\xt Lev 3:1 \xt*\x*san defo. \v 7 Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li \x + \xo 3:7 \xo*\xt Lev 17:8-9 \xt*\x*devan SENYÈ a. \v 8 Epi \x + \xo 3:8 \xo*\xt Lev 1:4\xt*\x*li va poze men li sou tèt ofrann li an e \x + \xo 3:8 \xo*\xt Lev 3:2\xt*\x*touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. \v 9 Soti nan \x + \xo 3:9 \xo*\xt Lev 17:5 \xt*\x*ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo. \v 10 Epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gran bout fwa a, ke li va retire \x + \xo 3:10 \xo*\xt Lev 3:4-15 \xt*\x*avèk ren yo. \v 11 Answit, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la tankou \x + \xo 3:11 \xo*\xt Lev 3:16 \xt*\x*manje, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. \p \v 12 “‘Anplis, si ofrann li an se \x + \xo 3:12 \xo*\xt Nonb 15:6-11 \xt*\x*yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a. \v 13 Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. \v 14 Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo, \v 15 ak de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo bout fwa a, ke li va retire \x + \xo 3:15 \xo*\xt Lev 3:4 \xt*\x*avèk ren yo. \v 16 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; \x + \xo 3:16 \xo*\xt Lev 7:23-25 \xt*\x*tout grès se pou SENYÈ a. \p \v 17 “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, \x + \xo 3:17 \xo*\xt Lev 7:26 \xt*\x*ni okenn san.’” \c 4 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Si yon moun peche san movèz entansyon nan nenpòt bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè, e ki fèt pa nenpòt nan yo, \v 3 \x + \xo 4:3 \xo*\xt Lev 4:14-28 \xt*\x*si prèt onksyon an fè peche e mennen koupabilite sou pèp la, alò, kite li ofri bay SENYÈ a yon towo san defo, kòm ofrann peche pou peche ke li te komèt la. \p \v 4 “‘Li va pote towo a nan pòtay tant asanble a devan SENYÈ a. \x + \xo 4:4 \xo*\xt Lev 1:4 \xt*\x*Li va poze men l sou tèt towo a e touye li devan SENYÈ a. \v 5 Alò, prèt \x + \xo 4:5 \xo*\xt Lev 4:3-17 \xt*\x*onksyone a dwe pran kèk nan san towo a pou pote li vè tant asanble a. \v 6 Konsa, prèt la va fonse dwèt li nan san an, e flite kèk nan san an sèt fwa devan SENYÈ a, devan \x + \xo 4:6 \xo*\xt Egz 40:21-26 \xt*\x*vwal sanktiyè a. \v 7 Prèt la va osi mete kèk nan san an sou kòn \x + \xo 4:7 \xo*\xt Lev 8:15 \xt*\x*lotèl lansan santi bon a ki devan SENYÈ a nan tant asanble a, epi tout san towo a, li va vide li nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a. \v 8 \x + \xo 4:8 \xo*\xt Lev 3:3-4 \xt*\x*Li va retire sou li tout grès towo ofrann peche a: grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo, \v 9 ak de ren avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire \x + \xo 4:9 \xo*\xt Lev 3:4 \xt*\x*avèk ren yo, \v 10 (jis jan ke li retire nan bèf sakrifis ofrann lapè a), epi prèt la dwe ofri yo nan lafimen sou lotèl ofrann brile a. \v 11 Men \x + \xo 4:11 \xo*\xt Lev 9:11 \xt*\x*po towo a ak tout chè li avèk tèt li, janm li yo, zantray li yo ak watè li, \v 12 ki se, tout rès towo a, li dwe pote li yon \x + \xo 4:12 \xo*\xt Lev 4:21 \xt*\x* kote ki pwòp deyò kan an, kote sann dife vide, epi brile li sou bwa avèk dife a. Kote sann yo vide, se la li va brile. \p \v 13 \x + \xo 4:13 \xo*\xt Nonb 15:24-26 \xt*\x*“‘Alò, si tout asanble Israël la vin fè yon erè, e bagay la chape atansyon asanble a, epi yo komèt nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou yo pa fè, e yo vin koupab; \v 14 lè peche ke yo te komèt la, vin konnen, alò, asanble a va ofri yon \x + \xo 4:14 \xo*\xt Lev 4:3-28 \xt*\x*towo nan twoupo a kòm yon ofrann peche, e yo va pote li devan tant asanble a. \v 15 Answit, \x + \xo 4:15 \xo*\xt Lev 8:14-22 \xt*\x*ansyen nan asanble yo va poze men yo sou tèt towo a devan SENYÈ a, epi towo a va touye devan SENYÈ a. \v 16 Answit, prèt onksyone a dwe pote kèk nan san towo a nan tant asanble a. \v 17 Konsa, \x + \xo 4:17 \xo*\xt Lev 4:6 \xt*\x*prèt la va fonse dwèt li nan san an e flite li sèt fwa devan SENYÈ a, devan vwal la. \v 18 Li va mete kèk nan san sou kòn \x + \xo 4:18 \xo*\xt Lev 4:7-34 \xt*\x*lotèl ki devan SENYÈ a nan tant asanble a; epi rès san li va vide nan baz lotèl ofrann brile ki nan pòtay tant asanble a. \v 19 \x + \xo 4:19 \xo*\xt Lev 4:8 \xt*\x*Li va retire tout grès li ladann e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la. \v 20 Li va osi fè avèk towo a menm bagay li te fè avèk \x + \xo 4:20 \xo*\xt Lev 4:8-21 \xt*\x*towo ofrann peche a; se konsa li va fè avè l. Konsa, \x + \xo 4:20 \xo*\xt Nonb 15:25\xt*\x*prèt la va fè ekspiyasyon pou yo, e yo va vin padone. \v 21 Answit, li dwe pote towo a yon kote deyò kan an pou brile li jan li te brile premye towo a. Li se \x + \xo 4:21 \xo*\xt Lev 4:13 \xt*\x*ofrann peche pou asanble a. \p \v 22 “‘Lè \x + \xo 4:22 \xo*\xt Nonb 31:13 \xt*\x*yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab, \v 23 si peche ke li te fè a vin konnen a li menm, li va pote pou ofrann li, yon \x + \xo 4:23 \xo*\xt Lev 4:3-28 \xt*\x*kabrit, yon mal san defo. \v 24 Li va poze men li sou tèt mal kabrit la e touye li nan plas kote yo touye ofrann brile devan SENYÈ a. Li se yon ofrann peche. \v 25 Answit, prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou \x + \xo 4:25 \xo*\xt Lev 4:7-34 \xt*\x*kòn lotèl pou ofrann brile a. Konsa, rès san li an, prèt la va vide nan baz lotèl ofrann brile a. \v 26 \x + \xo 4:26 \xo*\xt Lev 4:19 \xt*\x*Tout grès li a, prèt la va ofri nan lafimen sou lotèl la menm jan an nan ka grès sakrifis ofrann lapè a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche pa li, e li va vin padone. \p \v 27 “‘Alò, si nenpòt moun pami pèp òdinè a peche \x + \xo 4:27 \xo*\xt Lev 4:2 \xt*\x*san movèz entansyon nan fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, e li vin koupab, \v 28 si peche li a vin konnen a li menm, alò, li va pote pou ofrann pa li a, yon \x + \xo 4:28 \xo*\xt Lev 4:3-32 \xt*\x*kabrit, yon femèl san defo, pou peche ke li te komèt la. \v 29 \x + \xo 4:29 \xo*\xt Lev 1:4 \xt*\x*Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye ofrann peche a nan menm plas ofrann brile a. \v 30 Prèt la va pran kèk nan san li an avèk dwèt li, e li va mete li sou kòn \x + \xo 4:30 \xo*\xt Lev 4:7-34 \xt*\x*lotèl ofrann brile a; epi tout rès san li an, prèt la va vide l nan baz lotèl la. \v 31 \x + \xo 4:31 \xo*\xt Lev 4:8 \xt*\x*Answit, li va retire tout grès li, jis jan grès la te retire nan sakrifis ofrann lapè yo; epi prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la pou yon odè santi bon pou SENYÈ a. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e li va vin padone. \p \v 32 “‘Men si li pote yon \x + \xo 4:32 \xo*\xt Lev 4:28 \xt*\x*jenn mouton kòm ofrann li pou ofrann peche a, li va pote li, yon femèl san defo. \v 33 \x + \xo 4:33 \xo*\xt Lev 1:4-5 \xt*\x*Li va poze men l sou tèt ofrann peche a, e li va touye li kòm yon ofrann peche \x + \xo 4:33 \xo*\xt Lev 4:29\xt*\x*nan plas kote yo touye ofrann brile a. \v 34 Prèt la dwe pran kèk nan san ofrann peche a avèk dwèt li e mete li sou kòn \x + \xo 4:34 \xo*\xt Lev 4:7-30 \xt*\x*lotèl ofrann brile a, epi tout rès san li an, prèt la va vide li nan baz lotèl la. \v 35 Answit, li va retire tout grès li, menm jan grès jenn mouton an te retire nan sakrifis ofrann lapè yo, epi prèt la va ofri yo nan lafimen bay SENYÈ a. Konsa \x + \xo 4:35 \xo*\xt Lev 4:20 \xt*\x*prèt la va fè ekspiyasyon pou li selon peche li, sa ke li te komèt la, e li va vin padone. \c 5 \p \v 1 “‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè \x + \xo 5:1 \xo*\xt Pwov 29:24 \xt*\x* temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li. \p \v 2 “‘Oubyen, si yon moun touche \x + \xo 5:2 \xo*\xt Nonb 19:11-16 \xt*\x*nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab. \v 3 Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab. \v 4 Oubyen, si yon moun \x + \xo 5:4 \xo*\xt Nonb 30:6-8 \xt*\x*sèmante san reflechi avèk bouch li, kit se pou fè mal, kit se pou fè byen, nan nenpòt afè ke yon nonm ta pale san reflechi avèk yon sèman, epi sa kache de li, e answit li vin konn sa, li va koupab nan youn nan sa yo. \v 5 Se konsa li va ye lè li vin koupab nan youn nan sa yo, ke li va \x + \xo 5:5 \xo*\xt Lev 16:21 \xt*\x*konfese nan sa ke li te fè peche a. \v 6 Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: \x + \xo 5:6 \xo*\xt Lev 4:22-34 \xt*\x*yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a. \p \v 7 “‘Men si li pa gen mwayen pou bay yon jenn mouton oswa kabrit, alò li va pote bay SENYÈ a kòm ofrann koupabilite pou peche ke li te komèt la, de toutrèl oswa de jenn pijon, \x + \xo 5:7 \xo*\xt Lev 12:6-8 \xt*\x*youn pou yon ofrann peche a, e lòt la, pou yon ofrann brile. \v 8 Li va pote yo bay prèt la, ki va ofri, premyèman, sa ki pou ofrann peche a, e li va tranche tèt li pa devan kou a \x + \xo 5:8 \xo*\xt Lev 1:17 \xt*\x*san ke li pa fin separe li nèt. \v 9 Li va osi flite kèk nan san ofrann peche a sou kote lotèl la, e rès san an va koule degoute nan baz lotèl la. Li se yon ofrann peche. \v 10 Dezyèm nan, li va, answit, prepare kòm yon ofrann brile \x + \xo 5:10 \xo*\xt Lev 1:14-17 \xt*\x*selon òdonans lan. Epi prèt la va fè ekspiyasyon nan non li menm pou peche ke li te komèt la, e li va vin padone. \p \v 11 “‘Men si \x + \xo 5:11 \xo*\xt Lev 14:21-32 \xt*\x*mwayen li pa sifi pou de toutrèl oswa de jenn pijon yo, alò pou ofrann li pou peche ke li te komèt la, li va pote yon dizyèm efa farin fen pou ofrann peche a. Li p ap mete lwil sou li ni mete lansan sou li, paske se yon ofrann peche. \v 12 Li va pote li bay prèt la, e prèt la va pran men plen de li kòm yon pati komemoratif, pou ofri li nan lafimen sou lotèl la, avèk ofrann bay SENYÈ a pa dife. Li se yon ofrann peche. \v 13 Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan peche ke li te komèt soti nan \x + \xo 5:13 \xo*\xt Lev 5:4-5; Lev 2:3 \xt*\x*youn nan sila yo, e sa va padone li. Konsa, rès la va vin pou prèt la menm jan ak ofrann sereyal la.’” \p \v 14 Answit SENYÈ a te pale avèk Moïse e t ap di: \v 15 “Si yon moun pa fidèl, e peche san movèz entansyon kont bagay ki sen pou SENYÈ a, alò li va pote \x + \xo 5:15 \xo*\xt Lev 7:1-10 \xt*\x*ofrann koupabilite li devan SENYÈ a; yon \x + \xo 5:15 \xo*\xt Lev 6:6\xt*\x*belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon valè an ajan de sik, an valè de sik sanktiyè a kòm yon ofrann koupabilite. \v 16 Li va peye pou peche ke li te fè kont bagay sen an, e li va mete sou li yon senkyèm pati anplis pou pote bay prèt la. Prèt la, alò va fè ekspiyasyon pou li avèk belye a ofrann koupabilite a, e Li va padone. \p \v 17 “Alò, si yon moun peche e fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, \x + \xo 5:17 \xo*\xt Lev 4:2 \xt*\x*malgre li pa t konnen sa, li toujou koupab e li va pote koupabilite li. \v 18 Li dwe, alò, pote bay prèt la yon \x + \xo 5:18 \xo*\xt Lev 5:15 \xt*\x*belye san defo ki sòti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. Alò, prèt la va fè ekspiyasyon pou li konsènan tò li ladann li te fè peche san movèz entansyon, e pa t konnen sa a, e li va padone. \v 19 Li se yon ofrann koupabilite. Sètènman, li koupab devan SENYÈ a.” \c 6 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans, \v 3 oubyen, si l \x + \xo 6:3 \xo*\xt Egz 23:4 \xt*\x*te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo; \v 4 alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va \x + \xo 6:4 \xo*\xt Lev 24:18-21 \xt*\x*remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a, \v 5 oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. \x + \xo 6:5 \xo*\xt Nonb 5:7-8 \xt*\x*Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a. \v 6 Li va pote bay prèt la ofrann koupabilite li a, bay SENYÈ a, \x + \xo 6:6 \xo*\xt Lev 5:5 \xt*\x*yon belye san defo ki soti nan bann bèt la, selon sa ou estime, pou yon ofrann koupabilite. \v 7 Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a, e li va padone pou nenpòt nan bagay sa yo ke li te fè pou vin koupab.” \p \v 8 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse, e t ap di: \v 9 “Kòmande Aaron avèk fis li yo e di: ‘Sa se \x + \xo 6:9 \xo*\xt Egz 29:38-42 \xt*\x*lalwa pou ofrann brile a: ofrann brile a li menm va retire nan fwaye lotèl la tout nwit lan jis rive nan maten, epi dife sou lotèl la va kontinye brile sou li. \v 10 Prèt la dwe abiye an \x + \xo 6:10 \xo*\xt Egz 28:39-42 \xt*\x*vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la. \v 11 Answit, li va retire vètman sa yo pou mete lòt vètman. Epi li va pote sann yo deyò kan an nan yon plas ki pwòp. \v 12 Dife sou lotèl la dwe kontinye brile sou li. Li pa pou tenyen, men prèt la va brile bwa sou li chak maten. Li va pozisyone ofrann brile a sou li, e ofri \x + \xo 6:12 \xo*\xt Lev 3:5 \xt*\x* sou li nan lafimen pati grès ofrann lapè yo. \v 13 Dife a dwe kontinye brile nèt sou lotèl la; li pa pou tenyen. \p \v 14 “‘Alò, sa se lalwa ofrann sereyal la: fis Aaron yo va prezante li devan SENYÈ a, devan lotèl la. \v 15 \x + \xo 6:15 \xo*\xt Lev 2:2-9 \xt*\x*Answit, li va leve soti de li yon men plen avèk farin fen ofrann sereyal la, avèk lwil li ak tout lansan ki sou ofrann sereyal la, epi li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, yon odè santi bon, kòm yon ofrann souvni bay SENYÈ a. \v 16 \x + \xo 6:16 \xo*\xt Lev 10:12-14 \xt*\x*Sa ki rete nan li a, Aaron avèk fis li yo dwe manje. Li va manje tankou gato san ledven nan yon plas ki sen. Yo dwe manje li nan galeri tant asanble a. \v 17 \x + \xo 6:17 \xo*\xt Lev 2:11 \xt*\x*Li p ap boukannen avèk ledven. Mwen te bay li kòm pòsyon pa yo nan ofrann pa M pa dife a. Li pi sen pase tout, kòm ofrann peche ak ofrann koupabilite a. \v 18 \x + \xo 6:18 \xo*\xt I Kwo 9:13 \xt*\x*Chak mal pami fis Aaron yo kapab manje li. Li se yon òdonans pèmanan, atravè jenerasyon nou yo, soti nan ofrann dife bay SENYÈ a. \x + \xo 6:18 \xo*\xt Lev 6:27\xt*\x*Nenpòt moun ki touche yo va sen.’” \p \v 19 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 20 “Sa se ofrann ke Aaron avèk fis li yo dwe prezante bay SENYÈ a nan jou ke li onksyone a: dizyèm nan yon efa farin fen kòm yon \x + \xo 6:20 \xo*\xt Nonb 4:16 \xt*\x*ofrann sereyal nòmal, mwatye nan li nan maten e mwatye nan li nan aswè. \v 21 Li va prepare avèk lwil nan yon \x + \xo 6:21 \xo*\xt Lev 2:5 \xt*\x*pwalon. Lè li fin byen vire, ou va pote li. Ou va prezante ofrann sereyal la an mòso boukannen kòm bon sant bay SENYÈ a. \v 22 Prèt onksyone a ki nan plas li pami fis li yo va ofri li. Pa yon òdonans pèmanan, li va ofri tout nèt nan lafimen bay SENYÈ a. \v 23 Konsa, chak ofrann sereyal va konplètman brile nan lafimen bay SENYÈ a.” \p \v 24 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 25 “Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Sa se lalwa ofrann peche a: \x + \xo 6:25 \xo*\xt Lev 1:11 \xt*\x*nan plas kote ofrann brile a vin touye a, ofrann peche a va touye devan SENYÈ a. Li pi sen pase tout. \v 26 \x + \xo 6:26 \xo*\xt Lev 6:29 \xt*\x*Prèt la ki ofri li pou peche a va manje li. Li va manje yon kote ki sen, nan galeri a tant asanble a. \v 27 \x + \xo 6:27 \xo*\xt Lev 7:19 \xt*\x*Nenpòt moun ki touche chè li va vin sen. Lè kèk nan san li vin gaye sou yon vètman, nan yon lye sen, ou va lave sa ki te gaye sou li a. \v 28 Osi \x + \xo 6:28 \xo*\xt Lev 11:33 \xt*\x*po ajil ladann li te bouyi a va kraze; epi si li te bouyi nan yon veso an bwonz, alò li va lave byen lave, e rense nan dlo. \v 29 Chak mal pami prèt yo kapab manje ladann. \x + \xo 6:29 \xo*\xt Lev 6:17-25 \xt*\x*Li pi sen pase tout. \v 30 Men okenn ofrann peche ki te gen \x + \xo 6:30 \xo*\xt Lev 4:1-21 \xt*\x*san ki te pote antre nan tant asanble a pou fè ekspiyasyon nan lye sen an p ap manje. Li va brile avèk dife. \c 7 \p \v 1 “‘Alò sa se lalwa \x + \xo 7:1 \xo*\xt Lev 5:14-19 \xt*\x*ofrann koupabilite a: li pi sen pase tout. \v 2 Nan \x + \xo 7:2 \xo*\xt Lev 1:11 \xt*\x*plas kote yo touye ofrann brile a, yo dwe touye ofrann koupabilite a, e li va flite san li toupatou sou lotèl la. \v 3 Answit, li va ofri li avèk tout grès li: \x + \xo 7:3 \xo*\xt Lev 3:9 \xt*\x*grès ke avèk grès ki kouvri zantray yo, \v 4 ak de ren yo avèk grès ki sou yo, ki nan pati senti a; epi gwo bout fwa a, li va retire \x + \xo 7:4 \xo*\xt Lev 3:4 \xt*\x*avèk ren yo. \v 5 Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Li se yon ofrann koupabilite. \v 6 \x + \xo 7:6 \xo*\xt Lev 6:18-29 \xt*\x*Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout. \p \v 7 “‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. \x + \xo 7:7 \xo*\xt I Kor 9:13 \xt*\x*Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li. \v 8 Osi, prèt ki prezante ofrann brile a nenpòt moun nan, prèt sa a va gen pou li menm, po a ofrann brile ke li te prezante a. \v 9 Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon \x + \xo 7:9 \xo*\xt Lev 2:5 \xt*\x*pwalon va rete pou prèt ki prezante li a. \v 10 Tout ofrann sereyal, mele avèk lwil oswa sèch, va vin apatyen a tout fis Aaron yo, tout menm jan an. \p \v 11 “‘Alò, sa se lalwa \x + \xo 7:11 \xo*\xt Lev 3:1 \xt*\x*sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a. \v 12 Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri \x + \xo 7:12 \xo*\xt Lev 2:4 \xt*\x*gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil. \v 13 Avèk sakrifis ofrann lapè pou bay remèsiman an, li va prezante ofrann li an avèk gato pen \x + \xo 7:13 \xo*\xt Lev 3:1-17 \xt*\x*san ledven. \v 14 De sa, li va prezante youn nan chak ofrann kòm yon don bay SENYÈ a. \x + \xo 7:14 \xo*\xt Nonb 18:8-19 \xt*\x*Li va apatyen a prèt ki flite san ofrann lapè yo. \v 15 \x + \xo 7:15 \xo*\xt Lev 22:29-30 \xt*\x*Alò, pou chè a sakrifis ofrann lapè li yo, li va manje nan jou li ofri a. Li p ap kite anyen nan li rete pou maten. \p \v 16 “‘Men si sakrifis lapè a se yon \x + \xo 7:16 \xo*\xt Lev 19:5-8 \xt*\x*ofrann pou fè ve, oswa yon ofrann bòn volonte, li va manje nan jou ke li ofri sakrifis la. Epi nan pwochen jou a, sa ki rete a, ap kapab manje; \v 17 \x + \xo 7:17 \xo*\xt Egz 12:10 \xt*\x*men sa ki rete nan chè sakrifis la, nan twazyèm jou a, va brile avèk dife. \v 18 Alò, si nenpòt nan chè sakrifis ofrann lapè yo ta janm manje nan twazyèm jou a, sila ki ofri li a, p ap aksepte, e li p ap konte nan avantaj li. Li va yon \x + \xo 7:18 \xo*\xt Lev 19:7 \xt*\x*bagay lèd, e moun ki manje ladann nan, va pote pwòp inikite pa li. \p \v 19 “‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a. \v 20 \x + \xo 7:20 \xo*\xt Nonb 19:13\xt*\x*Men moun ki manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a lè l pa pwòp, moun sa a va vin \x + \xo 7:20 \xo*\xt Lev 7:25\xt*\x* koupe retire de pèp li a. \v 21 Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’” \p \v 22 Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 23 “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje \x + \xo 7:23 \xo*\xt Lev 3:17 \xt*\x*okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit. \v 24 Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki \x + \xo 7:24 \xo*\xt Egz 22:31 \xt*\x* dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li. \v 25 Paske nenpòt moun ki manje nan grès animal ki soti nan yon ofrann pa dife ki ofri bay SENYÈ a, menm moun ki manje l, va koupe retire de pèp li a. \v 26 \x + \xo 7:26 \xo*\xt I Sam 14:33 \xt*\x*Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo. \v 27 Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’” \p \v 28 Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 29 “Pale avèk fis Israël yo, e di: ‘Sila ki ofri \x + \xo 7:29 \xo*\xt Lev 3:1 \xt*\x*sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a, va pote ofrann li an bay SENYÈ a soti nan sakrifis ofrann lapè li a. \v 30 Se pwòp men li ki va pote ofrann pa dife a bay SENYÈ a. Li va pote grès la avèk pwatrin nan, pou \x + \xo 7:30 \xo*\xt Egz 29:26-27 \xt*\x*pwatrin nan kapab prezante kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. \v 31 Prèt la va ofri grès la nan lafimen sou lotèl la, men \x + \xo 7:31 \xo*\xt Nonb 18:11 \xt*\x*pwatrin nan va pou Aaron avèk fis li yo. \v 32 Nou va bay \x + \xo 7:32 \xo*\xt Egz 29:27 \xt*\x*kwis dwat la a prèt la kòm yon don ki sòti nan sakrifis ofrann lapè nou yo. \v 33 Sila pami fis Aaron ki ofri san ofrann lapè a ak grès la, kwis dwat la va pou li kòm pati pa li. \v 34 Paske, Mwen te pran \x + \xo 7:34 \xo*\xt Egz 29:27 \xt*\x*pwatrin nan ofrann vag la ak kwis la ki te bay pa fis Israël yo ki sòti nan ofrann lapè pa yo a pou bay yo a Aaron, prèt la, ak fis li yo, kòm dwa yo pou tout tan ki sòti nan fis Israël yo.’” \p \v 35 Se sa ki konsakre a Aaron e \x + \xo 7:35 \xo*\xt Nonb 18:8 \xt*\x* ki konsakre a fis li yo soti nan ofrann brile bay SENYÈ a, depi jou ke li te prezante yo pou sèvi kòm prèt bay SENYÈ a. \v 36 Sa yo SENYÈ a te kòmande pou bay yo sòti nan fis Israël yo nan jou ke li te \x + \xo 7:36 \xo*\xt Egz 40:13-15 \xt*\x*onksyone yo a. Se dwa yo pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo. \p \v 37 Sa se lalwa pou ofrann brile a, ofrann sereyal, ofrann peche, ofrann koupabilite, ofrann \x + \xo 7:37 \xo*\xt Egz 29:22-34 \xt*\x*òdinasyon ak sakrifis ofrann lapè yo, \v 38 \x + \xo 7:38 \xo*\xt Lev 26:46 \xt*\x*ke SENYÈ a te kòmande Moïse nan Mòn Sinaï nan jou ke li te kòmande fis Israël yo pou prezante ofrann pa yo bay SENYÈ a nan dezè Sinaï a. \c 8 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 2 “\x + \xo 8:2 \xo*\xt Egz 28:1 \xt*\x*Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an, \v 3 epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.” \p \v 4 Alò, Moïse te fè ojis sa ke SENYÈ a te kòmande li a. Lè asanble a te fin reyini nan pòtay tant asanble a, \v 5 Moïse te di asanble a: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande pou fè yo.” \v 6 Konsa, \x + \xo 8:6 \xo*\xt Egz 29:4-6\xt*\x*Moïse te fè Aaron avèk fis li yo vin pwoche e te \x + \xo 8:6 \xo*\xt I Kor 6:11\xt*\x*benyen yo avèk dlo. \v 7 Li te \x + \xo 8:7 \xo*\xt Egz 28:4 \xt*\x*mete yon tinik sou li, mare senti li avèk yon sentiwon an twal, abiye li avèk yon manto, mete efòd la sou li; epi li te tache ban atistik efòd la e mare l sou li. \v 8 Li te mete pyès lestomak la sou li. Anplis, nan pyès lestomak la, li te mete \x + \xo 8:8 \xo*\xt Esd 2:63 \xt*\x*Ourim nan avèk Toumim nan. \v 9 Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete \x + \xo 8:9 \xo*\xt Egz 28:36 \xt*\x*plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 10 Alò, Moïse te pran \x + \xo 8:10 \xo*\xt Egz 30:26-29 \xt*\x*lwil onksyon an e te onksyone tabènak la ak tout sa ki te ladann, epi li te konsakre yo. \v 11 Li te flite kèk lwil ladann sou lotèl la sèt fwa, e li te onksyone lotèl la avèk tout zouti li yo, ak basen an avèk baz li pou \x + \xo 8:11 \xo*\xt Egz 29:36-37 \xt*\x*konsakre yo. \v 12 Konsa, li te vide kèk nan \x + \xo 8:12 \xo*\xt Lev 21:10-12 \xt*\x*lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li. \v 13 \x + \xo 8:13 \xo*\xt Egz 28:8-9 \xt*\x* Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 14 Answit, li te pote \x + \xo 8:14 \xo*\xt Sòm 66:15 \xt*\x*towo ofrann peche a, e Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt towo ofrann peche a. \v 15 Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te \x + \xo 8:15 \xo*\xt Lev 4:7 \xt*\x*mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li. \v 16 Li te osi \x + \xo 8:16 \xo*\xt Egz 29:13 \xt*\x*pran tout grès ki te sou zantray yo avèk gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo. Moïse te ofri li nan lafimen sou lotèl la. \v 17 \x + \xo 8:17 \xo*\xt Egz 29:14 \xt*\x*Men towo a avèk po li ak chè li, ak watè li, li te brile yo nan dife a deyò kan an jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 18 Alò, li te prezante \x + \xo 8:18 \xo*\xt Egz 29:15 \xt*\x*belye ofrann brile a. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a. \v 19 Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la. \v 20 Lè li te fin koupe belye a an mòso, Moïse te \x + \xo 8:20 \xo*\xt Lev 1:8 \xt*\x* ofri tèt la, mòso yo ak grès di ki kouvri ren yo nan lafimen. \v 21 Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te \x + \xo 8:21 \xo*\xt Egz 29:18 \xt*\x* ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 22 Answit, li te prezante dezyèm belye a, \x + \xo 8:22 \xo*\xt Egz 29:31 \xt*\x*belye òdinasyon an. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a. \v 23 Moïse te touye li, pran kèk nan san li e li te \x + \xo 8:23 \xo*\xt Egz 29:20-21 \xt*\x*mete li sou tèt zòrèy dwat Aaron, sou pous men dwat li ak gwo zòtèy pye dwat li. \v 24 Osi, li te fè fis Aaron yo vin toupre; epi Moïse te mete kèk nan san an sou tèt zòrèy dwat la, sou pous men dwat yo, ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Alò, Moïse te \x + \xo 8:24 \xo*\xt Eb 9:18-22 \xt*\x*flite rès san an toutotou lotèl la. \p \v 25 Li te pran grès la, grès ke a, tout grès ki te sou zantray yo, gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo ak kwis dwat la. \v 26 Nan \x + \xo 8:26 \xo*\xt Egz 29:23 \xt*\x*panyen pen san ledven ki te devan SENYÈ a, li te retire yon gato pen san ledven, yon gato pen mele avèk lwil ak yon galèt, e li te plase yo sou pati grès yo ak sou kwis dwat la. \v 27 Answit, li te \x + \xo 8:27 \xo*\xt Egz 29:24 \xt*\x*mete tout sa yo nan men Aaron ak nan men fis li yo, e li te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a. \p \v 28 Answit, Moïse te \x + \xo 8:28 \xo*\xt Egz 29:25\xt*\x*pran yo nan men yo, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la avèk ofrann brile yo. Yo te yon ofrann òdinasyon pou yon bon odè. \x + \xo 8:28 \xo*\xt Jen 8:21\xt*\x*Se te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. \v 29 Moïse te pran \x + \xo 8:29 \xo*\xt Lev 7:31-34 \xt*\x*pwatrin nan, e li te prezante li kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a. Sa te pati pa Moïse nan belye òdinasyon an, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 30 Alò, Moïse \x + \xo 8:30 \xo*\xt Egz 29:21 \xt*\x*te pran kèk nan lwil onksyon an e kèk nan san ki te sou lotèl la, e li te flite li sou Aaron, sou vètman pa li, sou fis li yo, sou vètman pou fis li yo avèk pa li a. Konsa, li te konsakre Aaron, vètman li yo, fis li yo ak vètman a fis li yo ansanm avèk li menm. \p \v 31 Answit, Moïse te di a Aaron ak fis li yo: \x + \xo 8:31 \xo*\xt Egz 29:31 \xt*\x*“Bouyi chè a nan pòtay tant asanble a, e manje li ansanm avèk pen ki nan panyen ofrann òdinasyon an, jis jan ke m te kòmande a lè m te di: ‘Aaron avèk fis li yo va manje li.’ \v 32 \x + \xo 8:32 \xo*\xt Egz 29:34 \xt*\x*Sa ki rete nan chè a ak nan pen an, ou va brile li nan dife. \v 33 \x + \xo 8:33 \xo*\xt Egz 29:35 \xt*\x*Pandan sèt jou, nou pa pou sòti deyò pòtay tant asanble a, jis rive jou ke tan òdinasyon nou an fini: paske li va òdone nou pandan sèt jou. \p \v 34 “Sa ki te fèt la jodi a, konsa, SENYÈ a te bay lòd pou fè, pou fè ekspiyasyon pou nou. \v 35 Nan pòtay tant asanble a, anplis, nou va rete lajounen kon lannwit pandan sèt jou pou \x + \xo 8:35 \xo*\xt I Wa 2:3 \xt*\x*kenbe lòd SENYÈ a pou nou pa mouri: paske se konsa mwen resevwa lòd la.” \p \v 36 Konsa, Aaron avèk fis li yo te fè tout bagay ke SENYÈ a te kòmande atravè Moïse yo. \c 9 \p \v 1 Alò, li te vin rive \x + \xo 9:1 \xo*\xt Éz 43:27 \xt*\x*nan uityèm jou a ke Moïse te rele Aaron, fis li yo ak ansyen an Israël yo. \v 2 Konsa, li te di a Aaron: “\x + \xo 9:2 \xo*\xt Egz 29:1 \xt*\x*Pran pou nou menm yon jenn kabrit, yon jenn towo pou yon ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile, tou de san defo, e ofri yo devan SENYÈ a. \v 3 Epi a fis Israël yo nou va pale pou di: ‘Pran yon mal kabrit pou yon ofrann peche, ak yon jenn kabrit avèk yon jenn mouton, toude nan laj yon ane, san defo, pou yon ofrann brile, \v 4 epi yon bèf avèk yon belye pou ofrann lapè a, pou fè sakrifis devan SENYÈ a; e yon ofrann sereyal melanje avèk lwil: paske jodi a, \x + \xo 9:4 \xo*\xt Egz 29:43 \xt*\x*SENYÈ a va parèt a nou menm.’” \p \v 5 Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a. Tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a. \v 6 Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou \x + \xo 9:6 \xo*\xt Egz 24:16 \xt*\x*glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.” \p \v 7 Konsa, Moïse te di a Aaron: “Vin toupre lotèl la, e \x + \xo 9:7 \xo*\xt Eb 5:3 \xt*\x*ofri ofrann peche ak ofrann brile nou yo, pou nou kapab fè ekspiyasyon pou nou menm, ak pou pèp la; pou nou kapab fè ekspiyasyon pou yo, jan SENYÈ a te kòmande a.” \p \v 8 \x + \xo 9:8 \xo*\xt Lev 4:1-12 \xt*\x*Donk, Aaron te vin toupre lotèl la. Li te touye jenn kabrit la, ofrann peche ki te pou li menm nan. \v 9 Fis Aaron yo te prezante san an ba li. Li te fonse dwèt li nan san an, li te \x + \xo 9:9 \xo*\xt Lev 4:7 \xt*\x*mete kèk sou kòn lotèl la, e li te vide rès san an nan baz lotèl la. \v 10 Grès la, ren yo avèk gwo mòso fwa ofrann peche a, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \v 11 Men \x + \xo 9:11 \xo*\xt Lev 4:11 \xt*\x*chè a avèk po a, li te brile yo avèk dife deyò kan an. \p \v 12 Answit, li te touye ofrann brile a; epi fis Aaron yo te lonje bay li san an, e li te flite li toupatou sou lotèl la. \v 13 Yo te lonje ofrann brile a ba li an mòso avèk tèt la, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la. \v 14 Li te lave zantray yo avèk janm yo, e li te ofri yo nan lafimen avèk ofrann brile yo sou lotèl la. \p \v 15 Answit, li te prezante ofrann pèp la, e li te pran \x + \xo 9:15 \xo*\xt Lev 4:27-31 \xt*\x*kabrit ofrann peche ki te pou pèp la. Li te touye li e li te ofri li pou peche, tankou premye a. \p \v 16 Li te prezante osi ofrann brile a. Li te ofri li selon \x + \xo 9:16 \xo*\xt Lev 1:1-13 \xt*\x*òdonans lan. \v 17 Apre, li te prezante \x + \xo 9:17 \xo*\xt Lev 2:1-3 \xt*\x*ofrann sereyal la, li te plen men li avèk kèk ladann. Konsa, li te ofri li nan lafimen sou lotèl la, anplis de ofrann brile nan maten an. \p \v 18 Answit, \x + \xo 9:18 \xo*\xt Lev 3:1-11 \xt*\x*li te touye bèf la avèk belye a, sakrifis lapè ki te pou pèp la. Fis Aaron yo te lonje ba li san an pou li te flite li toupatou sou lotèl la; \v 19 ak pati grès ki sòti nan bèf la, nan belye a, grès ke a ak grès \x + \xo 9:19 \xo*\xt Lev 3:9 \xt*\x*ki kouvri ren yo avèk gwo mòso fwa a, \v 20 epi yo te plase pati grès sou pwatrin yo. Konsa, li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la. \v 21 Men \x + \xo 9:21 \xo*\xt Egz 29:26-27 \xt*\x*pwatrin yo avèk kwis dwat la, Aaron te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a, jis jan ke Moïse te kòmande a. \p \v 22 Alò, Aaron te leve men li anlè vè pèp la e li te \x + \xo 9:22 \xo*\xt Det 21:5 \xt*\x*beni yo. Konsa, li te desann lè l te fin fè ofrann peche a, ofrann brile a ak ofrann lapè yo. \p \v 23 Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, \x + \xo 9:23 \xo*\xt Lev 9:6 \xt*\x*laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la. \v 24 \x + \xo 9:24 \xo*\xt I Wa 18:38-39 \xt*\x*Answit, dife te sòti devan SENYÈ a, e ofrann nan te brile nèt ak pati grès sou lotèl la. Lè tout pèp la te wè sa, yo te rele fò, e yo te tonbe sou figi yo. \c 10 \p \v 1 Alò Nadab avèk Abihu, fis Aaron yo, te pran pwòp \x + \xo 10:1 \xo*\xt Lev 16:12 \xt*\x*plato sann dife pa yo. Lè yo te fin mete dife ladan yo, yo te mete lansan sou li e yo te ofri dife etranj la devan SENYÈ a, ke Li pa t kòmande yo fè. \p \v 2 \x + \xo 10:2 \xo*\xt Nonb 16:35 \xt*\x*Konsa, dife te sòti nan prezans SENYÈ a, e te brile yo nèt. Yo te mouri devan SENYÈ a. \p \v 3 Answit, Moïse te di a Aaron: “Se sa ke SENYÈ a te pale lè L te di: \q1 \x + \xo 10:3 \xo*\xt Egz 19:22 \xt*\x*‘Mwen va demontre M sen a sila ki vin pwoch Mwen yo, \q1 e devan tout pèp la Mwen va onore.’” \p Konsa, Aaron te gade silans. \p \v 4 Moïse te rele osi \x + \xo 10:4 \xo*\xt Egz 6:22 \xt*\x*Mischaël ak Eltsaphan, fis a tonton Aaron an, Uziel. Li te di yo: “Avanse; pote moun fanmi nou yo sòti devan sanktyè a pou rive deyò kan an.” \v 5 Konsa, yo te avanse e yo te pote yo toujou nan \x + \xo 10:5 \xo*\xt Egz 6:22 \xt*\x*tinik yo pou rive deyò kan an. \v 6 Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, \x + \xo 10:6 \xo*\xt Lev 21:1-12 \xt*\x* Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen a. \v 7 Nou pa pou menm sòti nan pòtay tant asanble a, sinon, nou va mouri; paske \x + \xo 10:7 \xo*\xt Egz 28:41 \xt*\x*lwil onksyon SENYÈ a sou nou.” \p \v 8 “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di: \v 9 \x + \xo 10:9 \xo*\xt I Tim 3:3 \xt*\x*Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. \v 10 Fòk \x + \xo 10:10 \xo*\xt Lev 11:47 \xt*\x*nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. \v 11 \x + \xo 10:11 \xo*\xt Det 17:10-11 \xt*\x*Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.” \p \v 12 Answit, Moïse te pale ak Aaron e ak fis ki te rete vivan yo, Éléazar avèk Ithamar: \x + \xo 10:12 \xo*\xt Lev 6:14-18 \xt*\x*“Pran ofrann sereyal ki toujou rete nan ofrann pa dife SENYÈ a, e manje li san ledven akote lotèl la, paske li sen pase tout. \v 13 Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan. \v 14 Sepandan, \x + \xo 10:14 \xo*\xt Lev 7:30-34 \xt*\x*pwatrin ofrann balanse an lè la ak kwis ofrann ke nou kapab manje nan yon plas ki pwòp la, ou menm avèk fis ou yo, e fi nou yo avèk nou menm. Paske yo te bay a ou menm e a fis ou yo kòm dwa ki sòti nan sakrifis ofrann lapè a fis Israël yo. \v 15 \x + \xo 10:15 \xo*\xt Lev 7:34 \xt*\x*Kwis ke yo te ofri nan leve a, ak pwatrin ke yo te ofri nan ofrann balanse an lè la, yo va pote yo ansanm avèk ofrann pa dife pati grès la, pou prezante kòm yon ofrann leve balanse an lè devan SENYÈ a. Konsa, li va yon bagay ki dwa ou, e dwa fis ou yo avèk ou pou tout tan, jan SENYÈ a te kòmande a.” \p \v 16 Men Moïse te chache avèk atansyon \x + \xo 10:16 \xo*\xt Lev 9:3-15 \xt*\x*kabrit ofrann peche a, e vwala, li te fin brile nèt! Donk, li te fache avèk fis Aaron ki te toujou vivan yo, Éléazar avèk Ithamar. Li te di: \v 17 “Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a. \v 18 Gade byen, \x + \xo 10:18 \xo*\xt Lev 6:30\xt*\x* san li pa t pote antre nan sanktyè a. Anverite, nou te dwe \x + \xo 10:18 \xo*\xt Lev 6:26\xt*\x*manje li nan sanktyè a jan Mwen te kòmande a.” \p \v 19 Men Aaron te pale avèk Moïse, e te di: “Gade byen, se jou sa a menm ke yo te \x + \xo 10:19 \xo*\xt Lev 9:8-12 \xt*\x*prezante ofrann peche ak ofrann brile pa yo a devan SENYÈ a. Epi gade bagay konsa yo ki vin rive mwen. Si m te manje yon ofrann peche jodi a, èske li t ap bon nan zye SENYÈ a?” \v 20 Lè Moïse te tande sa, sa te sanble gen bon rezon devan zye li. \c 11 \p \v 1 Senyè a te pale ankò a Moïse avèk Aaron, e Li te di yo: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: \x + \xo 11:2 \xo*\xt Det 14:3-21 \xt*\x*‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo. \v 3 Nenpòt bèt ki gen zago ki fann e ki remoute manje yo, nan bèt sa yo, nou kapab manje. \p \v 4 “‘Sepandan, \x + \xo 11:4 \xo*\xt Trav 10:14 \xt*\x*nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. \v 5 Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou; \v 6 Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. \v 7 Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou. \v 8 Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou. \p \v 9 \x + \xo 11:9 \xo*\xt Det 14:9 \xt*\x*“‘Sa yo nou kapab manje, nenpòt sa ki nan dlo: tout sa ki gen zèl ak kal, sa yo ki nan dlo, nan lanmè oswa nan rivyè, nou kapab manje yo. \v 10 \x + \xo 11:10 \xo*\xt Det 14:10 \xt*\x*Men nenpòt sa ki nan lanmè oswa nan rivyè ki pa gen zèl avèk kal pami tout sa ki gen lavi nan dlo yo, yo se bagay abominab pou nou. \v 11 Konsa, yo va abominab pou nou. Nou pa pou manje chè yo, ak kadav yo. Nou va deteste yo. \v 12 Nenpòt sa ki nan dlo ki pa gen zèl ak kal abominab pou nou. \p \v 13 “‘Sa yo, anplis, \x + \xo 11:13 \xo*\xt Det 14:12-19 \xt*\x*nou va deteste pami zwazo yo; yo abominab, yo pa pou manje: èg, òfrè, avèk èg lanmè, \v 14 malfini, karanklou avèk tout espès li yo, \v 15 kòbo, avèk tout espès li yo, \v 16 otrich avèk janmichèt, poul dlo, malfini avèk tout espès li yo, \v 17 koukou, plonjon ak frize, \v 18 gwo kana mawon blan, pelikan, chwèt, \v 19 sigòy, krabye avèk tout espès li, chòchòt ak sèpantye. \p \v 20 “‘Tout ensèk avèk zèl ki mache sou kat pye abominab pou nou. \v 21 Sepandan, sa yo nou kapab manje yo pami ensèk ak zèl; sa ki mache sou kat pye yo, ki gen anlè pye kole ak janm ki sèvi pou sote sou tè a. \v 22 Sa ladan yo, nou kapab manje: krikèt chan avèk tout espès li, krikèt voras avèk tout espès li yo, krikèt kay avèk tout espès li yo, e krikèt volan avèk tout espès li yo. \v 23 Men tout lòt ensèk a zèl ki gen kat pye abominab pou nou. \p \v 24 “‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè. \v 25 \x + \xo 11:25 \xo*\xt Lev 11:40 \xt*\x*Nenpòt moun ki ranmase kadav li yo va lave rad li e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 26 “‘Tout zannimo avèk zago ki divize, men ki pa fann nèt, oswa ki pa remoute manje yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche yo vin pa pwòp. \v 27 Nenpòt zannimo ki mache sou pat li; pami tout kreyati ki mache sou kat pat yo, yo pa pwòp pou nou. Nenpòt moun ki touche kadav li yo vin pa pwòp jis rive nan aswè. \v 28 Sila ki ranmase kadav yo va lave rad yo, e yo va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Yo pa pwòp pou nou. \p \v 29 “‘Men sa ki pa pwòp pou nou pami bagay ki trennen atè yo: zagoudi, sourit, gran leza ak tout espès li yo, \v 30 zandolit, gwo kayiman, zandolit gongolo avèk kameleyon. \v 31 Sa yo pa pwòp pou nou pami sa ki trennen atè yo. Nenpòt moun ki touche yo lè yo mouri vin pa pwòp jis rive nan aswè. \v 32 Nenpòt bagay sou li ke youn nan yo ta tonbe lè l mouri, bagay sa a va vin pa pwòp, enkli nenpòt bagay an bwa, vètman, po, yon sak—nenpòt bagay pou itilizasyon li fèt la—\x + \xo 11:32 \xo*\xt Lev 15:12 \xt*\x*li va mete nan dlo, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè, e apre sa li va vin pwòp ankò. \v 33 Osi, pou nenpòt \x + \xo 11:33 \xo*\xt Lev 6:28 \xt*\x*veso ki fèt avèk ajil kote yon bèt ta tonbe; nenpòt bagay ki ladann va vin pa pwòp. Epi nou va kraze veso a. \v 34 Nan nenpòt manje ki kapab manje, ki vin gen dlo sou li, sa vin pa pwòp, e nenpòt likid ke nou kapab bwè de li, nan tout veso, li va vin pa pwòp. \v 35 Anplis, tout bagay ladann yon pati nan kadav bèt la ta kapab tonbe, li vin pa pwòp; yon chodyè oswa yon fou va kraze an mòso. Yo pa pwòp e yo va kontinye rete pa pwòp pou nou. \v 36 Sepandan, yon sitèn oswa yon sous va rete pwòp, malgre ke sila ki touche kadav bèt yo va pa pwòp. \v 37 Si yon pati nan kadav yo vin tonbe sou nenpòt semans ki dwe plante, li toujou pwòp. \v 38 Men si dlo vin sou grenn semans lan, e yon pati nan kadav la tonbe sou li, li vin pa pwòp pou nou. \p \v 39 “‘Si youn nan bèt ki pwòp pou manje yo, vin mouri, moun ki touche kadav li a vin pa pwòp jis rive nan aswè. \v 40 Sila a tou, ki manje kèk nan kadav li a va lave rad li, li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Anplis sila ki ranmase kadav li a va lave rad li, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 41 \x + \xo 11:41 \xo*\xt Lev 11:29 \xt*\x*“‘Alò, tout bagay trennen ki trennen atè abominab, li pa pou manje. \v 42 Nenpòt bèt ki rale sou vant li, e nenpòt bèt ki mache sou kat pye, nenpòt bèt ki gen anpil pye, an rapò ak tout sa ki trennen atè, nou pa pou manje yo, paske yo abominab. \v 43 \x + \xo 11:43 \xo*\xt Lev 20:25 \xt*\x*Pa rann tèt nou vin abominab pa okenn nan bagay ki trennen atè yo. Pa fè tèt nou pa pwòp avèk yo pou nou pa vin pa pwòp. \v 44 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, se pou nou konsakre nou e \x + \xo 11:44 \xo*\xt Lev 19:2 \xt*\x*rete sen, paske Mwen sen. Nou pa pou fè tèt nou pa pwòp avèk okenn bagay trennen, k ap trennen atè. \v 45 \x + \xo 11:45 \xo*\xt Egz 20:2 \xt*\x*Paske Mwen se SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte pou M ta Bondye nou. Konsa nou va sen, paske Mwen sen.’” \p \v 46 “‘Sa se lalwa sou bèt ak zwazo, tout bagay vivan ki kouri nan dlo ak tout bagay ki trennen atè, \v 47 \x + \xo 11:47 \xo*\xt Lev 10:10 \xt*\x*pou fè yon distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp, e antre kreyati ki kab manje ak sa ki pa kab manje.’” \c 12 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Lè yon fanm ansent e vin fè yon pitit gason, alò, li va pa pwòp pandan sèt jou. \x + \xo 12:2 \xo*\xt Lev 15:19 \xt*\x*Tankou nan jou règ li yo, li va pa pwòp. \v 3 Nan \x + \xo 12:3 \xo*\xt Jen 17:12 \xt*\x*uityèm jou a, chè ti pijon pitit gason an va vin sikonsi. \v 4 Alò, manman li va rete nan pirifikasyon san li pandan trant-twa jou. Li pa pou touche okenn bagay ki konsakre, ni antre nan sanktyè a jiskaske jou pirifikasyon li yo fin akonpli. \v 5 Men si li pote yon pitit fi, li va pa pwòp pandan de semèn, tankou nan lè règ li. Konsa, li va rete nan san pirifikasyon li an pandan swasann-si jou. \p \v 6 \x + \xo 12:6 \xo*\xt Luc 2:22 \xt*\x*“‘Lè jou pirifikasyon li yo fin akonpli, pou yon fis, oswa yon fi, li va pote kote prèt la nan pòtay tant asanble a, yon jenn mouton sou laj en an kòm yon ofrann brile, ak yon jenn pijon oswa toutrèl kòm yon ofrann peche. \v 7 Prèt la, va ofri li devan SENYÈ a. Li va fè ekspiyasyon pou fi a, e konsa, li va netwaye de flo san li an. \p “‘Sa se lalwa pou sila ki pote pitit yo, kit li mal, kit li femèl. \v 8 Men si li pa gen mwayen achte yon jenn mouton, alò, li va pote \x + \xo 12:8 \xo*\xt Luc 2:22-24\xt*\x*de toutrèl, oswa de jenn pijon, youn pou ofrann brile a, e lòt la pou ofrann peche a. Konsa, \x + \xo 12:8 \xo*\xt Lev 4:26\xt*\x*prèt la va fè ekspiyasyon pou li e li va vin pwòp.’” \c 13 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale Moïse avèk Aaron. Li te di: \v 2 “Lè yon nonm vin gen sou po kò li yon enflamasyon, yon gal, oswa yon tach blanch, e li vin gen yon enfeksyon lalèp sou po kò li, alò, \x + \xo 13:2 \xo*\xt Det 24:8 \xt*\x*li va pote bay Aaron, prèt la, oswa yon prèt nan fis li yo. \v 3 Prèt la va gade bouton an sou po kò a. Si plim nan enfeksyon an vin blan, e enfeksyon an parèt pi fon ke po kò a, li se yon enfeksyon lalèp. Lè prèt la fin gade li, li va pwononse li pa pwòp. \v 4 Men si bouton blan an sou po kò a, men li pa parèt pi fon ke po a, epi plim sou li pa vin blan, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou. \v 5 Prèt la va gade li nan setyèm jou a. Epi selon sa li wè, si enfeksyon an pa chanje, enfeksyon an pa gaye sou po a, alò, prèt la va fè l izole pandan sèt jou ankò. \v 6 Prèt la va gade li ankò nan setyèm jou a. Si enfeksyon an ap disparèt, e bouton an pa gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pwòp. Se sèlman yon gal. Li va \x + \xo 13:6 \xo*\xt Lev 11:25 \xt*\x*lave rad li; li va pwòp. \v 7 Men si gal la vin gaye plis sou po a apre li te fin vizite prèt la pou pirifikasyon li, li va parèt ankò devan prèt la. \v 8 Prèt la va gade, e si gal la vin gaye sou po a, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se lalèp. \p \v 9 “Lè enfeksyon lalèp la sou yon moun, alò, li va vin mennen bay prèt la. \v 10 Prèt la va gade l. Si gen yon \x + \xo 13:10 \xo*\xt II Wa 5:27 \xt*\x*enflamasyon blan sou po a, li fè plim li vin blan, e gen maleng nan enflamasyon an, \v 11 sa se yon lalèp kwonik sou po kò li. Prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li p ap izole li ankò, paske li deja pa pwòp. \v 12 Si lalèp la vin gaye plis sou po a, e lalèp la kouvri tout po de sila ki gen enfeksyon an soti nan tèt li, jis rive nan pye li, toupatou kote prèt la kab wè, \v 13 alò, prèt la va gade, e veye byen, si lalèp la vin kouvri tout kò li, li va pwoklame li pwòp. Li te vin blanch nèt, e koulye a, li vin pwòp. \v 14 Men nenpòt maleng ki vin parèt sou li, li va vin pa pwòp. \v 15 Prèt la va gade maleng lan, e li va pwoklame li pa pwòp. Maleng lan pa pwòp, se lalèp li ye. \v 16 Oswa, si maleng lan chanje ankò vin tou blanch, alò, li va \x + \xo 13:16 \xo*\xt Luc 5:12-14 \xt*\x*vini kote prèt la. \v 17 Konsa, prèt la va gade li, e veye byen, si enfeksyon an te vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pwòp de enfeksyon an. Li pwòp. \p \v 18 “Si kò a gen yon abse sou po a, e li vin geri, \v 19 epi nan plas abse a, li vin gen yon enflamasyon tou blanch oswa yon tach blanch e wouj fonse, byen vif, li va montre l a prèt la. \v 20 Prèt la va gade li, e veye byen, si li vin parèt pi fonse ke po a, e plim sou li a vin tou blanch, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se enfeksyon lalèp, li vin parèt nan abse a. \v 21 Men si prèt la gade li, e veye byen, li pa gen plim blanch ladann, li pa pi fon ke po a, e l ap vin disparèt, alò, prèt la va izole li pandan sèt jou. \v 22 Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Se yon enfeksyon li ye. \v 23 Men si tach vif la rete nan plas li, e li pa gaye, se sèlman sikatris abse a. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp. \p \v 24 “Oubyen, si kò a vin brile nan dife, e maleng brile a vin yon mak vif, blan wouj fonse, oswa blan, \v 25 alò, prèt la va gade li. Epi si plim nan mak vif la vin \x + \xo 13:25 \xo*\xt Nonb 12:10 \xt*\x*tou blanch e parèt pi fonse ke chè a, sa se lalèp. Li vin parèt nan kote ki brile a. Konsa, prèt la va pwoklame li pa pwòp. Sa se yon enfeksyon lalèp. \v 26 Men si prèt la gade li, e vrèman, pa gen plim blan nan mak vif la e li pa pi fon ke po a, men li vin pal; alò, prèt la va izole li pandan sèt jou. \v 27 Epi prèt la va gade li nan setyèm jou a. Si li gaye plis sou po a, alò, prèt la va pwoklame li pa pwòp.Sa se yon enfeksyon lalèp. \v 28 Men si mak vif la toujou rete nan plas li, e li pa gaye nan po a, men li vin pal, sa se sèlman enflamasyon ki soti nan brile a, epi prèt la va pwoklame li pwòp, paske se sèlman sikatris brile a. \p \v 29 “Alò, si yon nonm oswa yon fanm gen yon enfeksyon nan tèt oswa nan bab, \v 30 alò, prèt la va gade enfeksyon an. Si li parèt pi fonse pase po a e li vin gen yon ti plim avèk yon koulè jon, alò prèt la va pwoklame li pa pwòp. Li se yon kal. Sa se lalèp nan tèt oubyen nan bab. \v 31 Men si prèt la gade enfeksyon kal la, e vrèman, li parèt pi fonse ke po a, e nanpwen plim nwa ladann, alò, prèt la va izole moun avèk enfeksyon kal la pandan sèt jou. \v 32 Nan setyèm jou a, prèt la va gade enfeksyon an; epi si kal la pa gaye pi lwen, li pa gen ti plim jon ki grandi ladann, e li pa sanble ke kal la pi fonse ke po a, \v 33 answit, li va pase razwa sou li, men pa sou kal la; epi prèt la va izole moun avèk kal la pandan sèt jou anplis. \v 34 Answit, nan setyèm jou a, prèt la va gade kal la, si kal la pa gaye nan po a, e li pa parèt pi fonse ke po a, prèt la va pwoklame li pwòp. Li va lave rad li, e li va vin pwòp. \v 35 Men si kal la vin gaye plis sou po a apre pirifikasyon li, \v 36 alò, prèt la va gade li, e si kal la ap gaye nan po a, prèt la pa bezwen chèche plim jon nan. Li pa pwòp. \v 37 Si nan zye li, kal la rete, malgre sa, plim nwa yo vin grandi ladann, kal la vin geri, li pwòp. Konsa, prèt la va pwoklame li pwòp. \p \v 38 “Lè yon nonm oswa yon fanm gen mak vif sou po kò a, menm mak tou blanch, \v 39 alò prèt la va gade, e si mak vif sou po kò yo se blan pal, se sèlman ekzema ki parèt sou po a. Li pwòp. \p \v 40 “Alò, si yon nonm pèdi cheve nan tèt li, li vin \x + \xo 13:40 \xo*\xt És 15:2 \xt*\x*chòv. Li pwòp. \v 41 Si tèt li vin kale pa devan e sou kote, li chòv pa devan. Li pwòp. \v 42 Men si nan tèt chòv la oswa nan fwontèn chòv la, vin rete yon enfeksyon koulè blan— wouj fonse, sa se lalèp k ap parèt sou tèt chòv li oswa fwontèn chòv li a. \v 43 Answit, \x + \xo 13:43 \xo*\xt Lev 10:10 \xt*\x*prèt la va gade li. Konsa, si enflamasyon enfeksyon an blan-wouj fonse sou tèt chòv oswa sou fwontèn chòv li, tankou aparans lalèp sou po kò a, \v 44 li se yon moun lalèp. Li pa pwòp. Prèt la va vrèman pwoklame li pa pwòp. Enfeksyon li sou tèt li a. \v 45 Pou moun lalèp ki gen enfeksyon an, fòk li mete rad chire, e lese cheve nan tèt li san penyen. Li va \x + \xo 13:45 \xo*\xt Éz 24:17-22 \xt*\x*kouvri moustach li e kriye: ‘Pa pwòp, pa pwòp.’ \v 46 Li va rete pa pwòp pandan tout jou ke enfeksyon an dire yo. Li pa pwòp. Li va abite izole pou kont li. Li gen pou rete \x + \xo 13:46 \xo*\xt Nonb 5:1-4 \xt*\x*deyò kan an. \p \v 47 “Lè yon vètman vin gen lalèp kanni, kit se twal len nèt kit se twal len fen, \v 48 kit li tise, kit li trikote avèk len nèt oswa avèk len fen, kit se an kwi oswa an okenn bagay ki fèt an kwi, \v 49 si mak la tou vèt oswa wouj nan vètman an, kit se an kwi, oswa an tise ou trikote, oswa an okenn bagay an kwi, li se yon mak lalèp kanni, e fòk li vin montre bay prèt la. \v 50 Alò, \x + \xo 13:50 \xo*\xt Éz 44:23 \xt*\x*prèt la va gade mak la e li va izole bagay avèk mak la pandan sèt jou. \v 51 Konsa, li va gade mak la nan setyèm jou a. Si mak la vin gaye sou rad la nan tise a, oswa trikote a, oswa an kwi oubyen nenpòt bagay ke kwi a sèvi, mak la se lalèp kanni, e li se yon maleng. Li pa pwòp. \v 52 Pou sa, li va brile rad la, kit an tise, oswa an trikote, oswa an len nèt, an len fen, oubyen nenpòt bagay an kwi kote mak la parèt, paske li se lalèp kanni maleng. Li va brile nan dife. \p \v 53 “Men si prèt la ta gade, e vrèman, mak la pa gaye nan vètman an, ni nan tise a, ni nan trikote a, ni nan bagay an kwi a, \v 54 alò, prèt la va pase lòd pou lave bagay ki te gen mak la e li va vin izole li pandan sèt jou anplis. \v 55 Lè bagay la avèk mak la fin lave, prèt la va gade ankò, e si mak la pa chanje aparans li, malgre mak la pa gaye, li pa pwòp. Nou va brile li nan dife, menm si li epwize pa anwo oswa pa devan li. \v 56 Alò, si prèt la gade e mak la vin mwens, li va chire e retire li nan vètman an, oswa an kwi a, kit se nan tise, kit se nan trikote a; \v 57 epi si li parèt ankò nan vètman an, kit se nan tise a, oswa nan trikote a, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi, sa se yon epidemi lalèp kanni. Bagay la avèk mak la va brile nan dife. \v 58 Vètman an, kit se nan tise, oswa nan trikote, oswa nan nenpòt bagay ki fèt an kwi kote mak la te sòti lè nou te lave li a, li va konsa lave yon dezyèm fwa e li va vin pwòp.” \p \v 59 Sa se lalwa pou mak lalèp kanni nan yon vètman an len nèt, oswa len fen, oswa an tise, oswa an trikote, oswa an nenpòt bagay ki fèt an kwi, pou pwoklame li pwòp oswa pa pwòp. \c 14 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Sa va lalwa pou moun lalèp la nan jou pirifikasyon li. \x + \xo 14:2 \xo*\xt Mat 8:4 \xt*\x*Alò, li va vin mennen devan prèt la, \v 3 epi prèt la va \x + \xo 14:3 \xo*\xt Lev 13:4-6 \xt*\x*ale deyò kan an. Konsa prèt la va gade, e si enfeksyon lalèp la te geri nan moun lalèp la, \v 4 alò, prèt la va bay lòd pou pran de zwazo pwòp avèk bwa \x + \xo 14:4 \xo*\xt Lev 14:6-49 \xt*\x*sèd, fisèl wouj avèk izòp pou sila ki va vin pirifye a. \v 5 Prèt la va osi bay lòd pou touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt an tè sou yon dlo k ap koule. \v 6 Epi pou zwazo vivan an, li va pran li ansanm avèk \x + \xo 14:6 \xo*\xt Lev 14:4 \xt*\x* bwa sèd yo, fisèl wouj la, ak izòp, e li va fonse yo avèk zwazo vivan an nan san zwazo ki te touye sou dlo k ap koule a. \v 7 \x + \xo 14:7 \xo*\xt Éz 36:25 \xt*\x*Epi li va flite sèt fwa sou sila ki gen lalèp pou pirifye a, e li va pwoklame li pwòp. Konsa, li va kite zwazo vivan an vole lib sou yon chan byen louvri. \p \v 8 “Alò, sila k ap pirifye a va lave rad li yo. Li va raze tout cheve li, e li va lave nan dlo pou vin pwòp. Apre tout sa a, li mèt antre nan kan an, men li \x + \xo 14:8 \xo*\xt Nonb 5:2-3 \xt*\x*va rete deyò tant li an pandan sèt jou. \v 9 Li va nan setyèm jou a pase razwa nan tout cheve li. Li va taye tèt li, bab li, sousi li, e menm tout cheve li. Alò, li va lave rad li yo e benyen kò l nan dlo. Konsa, li \x + \xo 14:9 \xo*\xt Lev 14:8-20 \xt*\x*vin pwòp. \p \v 10 “Alò, nan uityèm jou a, li gen pou pran de jenn mouton mal san defo, yon jenn mouton femèl laj en nan san defo, twa dizyèm nan yon efa farin fen mele avèk lwil pou yon ofrann sereyal, ak yon \x + \xo 14:10 \xo*\xt Lev 14:12-24 \xt*\x*boutèy demi lit lwil. \v 11 Epi prèt la ki pwoklame li pwòp la va prezante nonm kap vin pirifye a, ak bagay sa yo, devan pòtay Tant Asanble a. \p \v 12 “Alò, prèt la va pran youn nan jenn mouton mal yo. Li va mennen li pou yon \x + \xo 14:12 \xo*\xt Lev 5:6-18\xt*\x*ofrann koupab avèk boutèy demi lit lwil la, e li va prezante li kòm yon \x + \xo 14:12 \xo*\xt Egz 29:22-26\xt*\x*ofrann voye anlè devan SENYÈ a. \v 13 Answit, li va touye jenn mouton an \x + \xo 14:13 \xo*\xt Egz 29:11 \xt*\x*nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout. \v 14 Alò, prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la, e prèt la va mete li sou \x + \xo 14:14 \xo*\xt Egz 29:20 \xt*\x*tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat ak sou gwo zòtèy pye dwat li. \v 15 Prèt la va osi pran kèk nan \x + \xo 14:15 \xo*\xt Lev 14:10 \xt*\x*boutèy demi lit lwil la, e li va vide li nan pla men goch li. \v 16 Alò, prèt la va fonse dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men goch la, e avèk dwèt li, li va flite kèk nan lwil la sèt fwa devan SENYÈ a. \v 17 Nan lwil ki rete nan pla men l lan, prèt la va mete kèk sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous a men dwat li ak sou gwo zòtèy a pye dwat li, sou san a ofrann koupab la. \v 18 Epi rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a. Epi prèt la va fè \x + \xo 14:18 \xo*\xt Lev 4:26 \xt*\x*ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a. \p \v 19 “Apre sa, prèt la va ofri \x + \xo 14:19 \xo*\xt Lev 14:8-9 \xt*\x*ofrann peche a, e li va fè ekspiyasyon pou sila k ap vin pirifye de kondisyon pa pwòp li a. Alò, apre, li va touye ofrann brile a. \v 20 Prèt la va ofri ofrann brile a ak ofrann sereyal la sou lotèl la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon pou li, e \x + \xo 14:20 \xo*\xt Lev 14:8-9 \xt*\x*li va vin pwòp. \p \v 21 \x + \xo 14:21 \xo*\xt Lev 5:11 \xt*\x*“Men si se yon malere li ye, e mwayen li pa sifi, alò li va pran yon jenn mouton mal tankou ofrann koupab la, tankou yon ofrann voye anlè pou fè ekspiyasyon pou li, e yon dizyèm efa farin fen mele avèk lwil kòm yon ofrann sereyal ak yon boutèy demi lit lwil; \v 22 epi de toutrèl oswa de pijon, sa ki posib selon mwayen li; \x + \xo 14:22 \xo*\xt Lev 5:7 \xt*\x*youn va ofrann peche a, e lòt la va ofrann brile a. \p \v 23 \x + \xo 14:23 \xo*\xt Lev 14:10-11 \xt*\x*“Konsa, nan uityèm jou a, li va mennen yo pou pirifikasyon li bay prèt la, nan pòtay tant asanble a, devan SENYÈ a. \v 24 Prèt la va pran jenn mouton ofrann koupab la, \x + \xo 14:24 \xo*\xt Lev 14:10 \xt*\x*ak boutèy demi lit lwil la, e prèt la va ofri yo kòm yon ofrann voye anlè devan SENYÈ a. \v 25 Apre sa, li va touye jenn mouton ofrann peche a. Epi prèt la va pran kèk nan san ofrann koupab la pou mete sou \x + \xo 14:25 \xo*\xt Lev 14:14 \xt*\x*tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li. \v 26 Prèt la va osi vide kèk nan lwil la nan pla men goch li; \v 27 epi avèk dwèt men dwat li, li va flite kèk nan lwil ki nan pla men goch la sèt fwa devan SENYÈ a. \v 28 Apre sa, prèt la va mete kèk nan lwil ki nan pla men an sou tèt zòrèy dwat a sila k ap vin pirifye a, sou pous men dwat li, sou gwo zòtèy pye dwat li, sou plas san a ofrann koupab la. \v 29 Anplis, rès lwil ki nan pla men prèt la, li va mete li sou tèt a sila k ap vin pirifye a, pou fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a. \v 30 Li va, alò, ofri youn nan toutrèl oswa nan pijon yo, selon kapasite li. \v 31 Sa li kapab selon mwayen li, \x + \xo 14:31 \xo*\xt Lev 5:7 \xt*\x*youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile, ansanm avèk ofrann sereyal la. Konsa prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou sila k ap vin pirifye a.” \p \v 32 Sa se lalwa pou sila ki gen yon enfeksyon lalèp, ki gen mwayen limite pou pirifikasyon li. \p \v 33 SENYÈ a te pale ankò ak Moïse avèk Aaron e te di: \v 34 \x + \xo 14:34 \xo*\xt Det 7:1 \xt*\x*“Lè nou antre nan peyi Canaan an, ke Mwen bannou pou posesyon an, e Mwen mete yon mak lalèp kanni sou yon kay nan peyi posesyon pa nou an, \v 35 alò, sila ki mèt kay la va vin di prèt la konsa, ‘Mwen wè yon bagay tankou \x + \xo 14:35 \xo*\xt Sòm 91:10 \xt*\x*yon mak lalèp kanni ki te vin parèt nan kay la.’ \v 36 Alò, prèt la va pase lòd pou yo mete kay la vid avan prèt la antre pou gade mak la, jis pou tout bagay nan kay la pa oblije vin pa pwòp. Apre, prèt la va antre pou gade kay la. \v 37 Alò, li va gade mak la, e si mak sou mi kay la fonse avèk koulè tankou vèt oswa wouj ki fonse plis ke sifas la, \v 38 alò, prèt la va sòti nan kay la pou rive nan pòtay la, e li va fèmen kay la pandan sèt jou. \v 39 Prèt la va retounen nan setyèm jou a, e li va pase fè enspeksyon. Si mak la te vrèman agrandi nan mi kay la, \v 40 alò, prèt la va pase lòd pou yo chire retire wòch ki gen mak ladan yo a, pou jete yo deyò nan yon plas ki pa pwòp deyò lavil la. \v 41 Li va fè yo grate kay la tout anndan, e yo va jete tout vye kras mòtye deyò nan yon plas deyò lavil la. \v 42 Alò, yo va retire lòt wòch ki kontamine yo pou ranplase yo, e li va pran mòtye nèf pou fè randisaj kay la. \p \v 43 “Si, alò, mak la vin parèt ankò nan kay la apre li fin retire wòch yo, grate kay la, e apre li fin fè randisaj nèf la, \v 44 alò, prèt la va vin antre pou fè yon enspeksyon. Si li wè ke mak la vrèman vin gaye nan kay la ankò, sa se yon \x + \xo 14:44 \xo*\xt Lev 13:51 \xt*\x*mak maleng ki nan kay la. Li pa pwòp. \v 45 Pou sa, li va kraze kay la nèt, avèk wòch li yo, bwa li yo, ak tout ansyen randisaj li. Li va mete yo deyò lavil la nan \x + \xo 14:45 \xo*\xt Lev 14:41 \xt*\x*yon kote ki pa pwòp. \p \v 46 “Anplis, nenpòt moun ki antre nan kay la pandan li te izole a, li va vin \x + \xo 14:46 \xo*\xt Nonb 19:7-22 \xt*\x*pa pwòp pou jis rive nan aswè. \v 47 Menm jan an, nenpòt moun ki kouche nan kay la, li va lave rad li, e nenpòt moun ki manje nan kay la, li va lave rad li. \p \v 48 “Si, yon lòt kote, prèt la antre pou fè yon enspeksyon, e mak la pa vrèman gaye nan kay la apre kay la pase randisaj nèf la, alò, prèt la va pwoklame kay la pwòp akoz ke mak la pa parèt ankò. \v 49 Alò, pou netwaye kay la, li va pran \x + \xo 14:49 \xo*\xt Lev 14:4 \xt*\x*de zwazo avèk bout bwa sèd, avèk yon fisèl wouj, ak izòp, \v 50 epi li va touye youn nan zwazo yo nan yon veso fèt ak tè anwo dlo fwe. \v 51 Alò li va pran bout bwa sèd yo avèk \x + \xo 14:51 \xo*\xt I Wa 4:33 \xt*\x*izòp ak fisèl wouj la, avèk zwazo vivan an, e li va fonse yo nan san zwazo ki mouri an, e osi nan dlo fwe a, epi li va flite kay la sèt fwa. \v 52 Konsa li va netwaye kay la avèk san zwazo a e avèk dlo fwe a, ansanm avèk zwazo vivan an, avèk bout bwa sèd yo, avèk izòp e avèk fisèl wouj la. \v 53 Men li va kite zwazo vivan an vin lage pou l lib deyò lavil la nan yon chan byen laj. Konsa li va fè ekspiyasyon pou kay la, e kay la va vin pwòp.” \p \v 54 Sa se lalwa pou nenpòt mak lalèp kanni— menm pou yon \x + \xo 14:54 \xo*\xt Lev 13:30 \xt*\x*kal \v 55 epi pou yon \x + \xo 14:55 \xo*\xt Lev 13:47-52 \xt*\x*rad oswa yon kay avèk lalèp kanni, \v 56 epi pou yon \x + \xo 14:56 \xo*\xt Lev 13:2 \xt*\x*enflamasyon, pou yon kal sou po li, ak yon kote ki klere blan— \v 57 pou enstwi yo lè yo pa pwòp ak lè yo pwòp. \p Sa se lalwa lalèp la. \c 15 \p \v 1 SENYÈ a osi te pale avèk Moïse avèk Aaron. Li te di yo: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: \x + \xo 15:2 \xo*\xt Nonb 5:2 \xt*\x*‘Lè yon moun vin gen yon ekoulman nan kò li, ekoulman li an pa pwòp. \v 3 Sila a, anplis, dwe pa pwòp nan ekoulman li an; li pa pwòp, menm si kò li kite ekoulman an koule, oswa li anpeche ekoulman an koule. \p \v 4 “‘Tout kabann kote moun avèk ekoulman an kouche a va vin pa pwòp; e lè l chita sou nenpòt bagay, bagay sa a va vin pa pwòp. \v 5 Nenpòt moun, anplis, ki touche kabann sa a va lave rad li, benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \v 6 Nenpòt moun ki chita sou bagay kote nonm avèk ekoulman an te chita a, li va lave rad li, benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 7 “‘Osi, nenpòt moun ki touche moun avèk ekoulman an, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 8 “‘Oswa, si gason avèk ekoulman an krache sou yon moun ki pwòp, li osi va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 9 “‘Si moun avèk ekoulman an chita sou nenpòt sèl cheval oswa bèt, li va vin pa pwòp. \v 10 Nenpòt moun ki touche nenpòt nan bagay ki te anba li va pa pwòp jis rive nan aswè, e sila ki pote yo a, va lave rad li, li va benyen avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 11 “‘Menm jan an, nenpòt moun ke moun ekoulman an touche san ke li pa lave men l nan dlo, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 12 “‘\x + \xo 15:12 \xo*\xt Lev 6:28 \xt*\x*Veso tè a ke moun nan te touche a, va kraze, e tout veso an bwa yo, va lave nan dlo. \v 13 Alò, depi yon moun avèk yon ekoulman vin pwòp e kite ekoulman li an, alò, \x + \xo 15:13 \xo*\xt Lev 8:33 \xt*\x*li va kontwole pou li menm sèt jou pou pirifikasyon li. Li va lave rad li, li va benyen kò li nan dlo k ap koule, e li va vin pwòp. \v 14 Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de \x + \xo 15:14 \xo*\xt Lev 14:22-23 \xt*\x*toutrèl oswa de jenn pijon, e vini devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, pou bay yo a prèt la. \v 15 Prèt la va ofri yo, youn pou yon ofrann peche, e lòt la pou yon ofrann brile. Konsa, \x + \xo 15:15 \xo*\xt Lev 14:19-31 \xt*\x*prèt la va fè ekspiyasyon pou li devan SENYÈ a akoz ekoulman li an. \p \v 16 \x + \xo 15:16 \xo*\xt Lev 22:4 \xt*\x*“‘Alò, si yon gason ejakile, li va benyen tout kò li nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \v 17 Nenpòt vètman oswa kwi ki gen spèm, li va lave avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \v 18 Si yon nonm kouche avèk yon fanm e li ejakile, yo va tou de va benyen nan dlo, e yo va rete \x + \xo 15:18 \xo*\xt I Sam 21:4 \xt*\x*pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 19 \x + \xo 15:19 \xo*\xt Lev 12:2 \xt*\x*“‘Lè yon fanm gen yon ekoulman, si ekoulman nan kò li a se san, li va kontinye rete enpi avèk règ li a jis rive sèt jou. Konsa, nenpòt moun ki touche li va pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 20 “‘Anplis, nenpòt kote li kouche pandan règ li a va vin pa pwòp, e nenpòt bagay kote li vin chita va pa pwòp. \v 21 Nenpòt moun ki touche kabann li va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \v 22 Nenpòt moun ki touche nenpòt bagay kote li chita va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \v 23 Kit se sou kabann nan oswa sou bagay kote li chita, lè li touche li, li va pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 24 \x + \xo 15:24 \xo*\xt Lev 18:19 \xt*\x*“‘Si yon gason vin kouche avèk li pou san an vin sou li, gason an va pa pwòp pandan sèt jou, e tout kabann kote li kouche a va vin pa pwòp. \p \v 25 \x + \xo 15:25 \xo*\xt Mat 9:20 \xt*\x*“‘Alò si yon fanm gen yon ekoulman san pandan anpil jou, pa sèlman nan tan règ la, oswa si li gen yon ekoulman anplis fwa sa a, li va kontinye aji kòmsi li gen règ. Li pa pwòp. \v 26 Nenpòt kabann kote li touche pandan tout jou ekoulman li yo, li va pou li tankou kabann li pandan règ la. Chak bagay kote li chita va vin pa pwòp, tankou pa pwòp a li menm nan tan sa a. \v 27 Menm jan an, nenpòt moun ki touche yo va vin pa pwòp. Li va lave rad yo, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. \p \v 28 “‘Lè li vin pwòp de ekoulman li an, li va kontwole pou kont li sèt jou. Apre sa a, li va vin pwòp. \v 29 Alò, nan uityèm jou a, li va pran pou li menm de toutrèl oswa de jenn pijon e li va mennen yo devan prèt la nan pòtay tant asanble a. \v 30 Prèt la va ofri youn kòm \x + \xo 15:30 \xo*\xt Lev 5:7 \xt*\x*yon ofrann peche, e lòt la kòm yon ofrann brile. Konsa, prèt la va fè ekspiyasyon pou li menm devan SENYÈ a akoz ekoulman enpi a. \p \v 31 “‘Konsa, nou va kenbe fis Israël yo apa de pa pwòp yo, pou yo pa mouri akoz salte ki ta \x + \xo 15:31 \xo*\xt Éz 5:11 \xt*\x*konwonpi tabènak Mwen ki pami yo a.’” \p \v 32 Sa se lalwa pou sila ki gen ekoulman an, ak pou gason ki gen yon ejakilasyon spèm ki fè l vin pa pwòp la, \v 33 epi pou yon fanm ki malad akoz règ ki pa pwòp li a, ak pou sila ki gen ekoulman an, kit li mal kit li femèl, oswa yon nonm ki kouche avèk yon fanm ki pa pwòp. \c 16 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse apre \x + \xo 16:1 \xo*\xt Lev 10:1-2 \xt*\x*lanmò fis Aaron yo, lè yo te pwoche prezans SENYÈ a e yo te mouri an. \v 2 SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske \x + \xo 16:2 \xo*\xt Egz 25:21-22 \xt*\x*Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a. \p \v 3 “Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon \x + \xo 16:3 \xo*\xt Lev 4:1-12 \xt*\x*ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile. \v 4 Li va mete sou li \x + \xo 16:4 \xo*\xt Egz 28:39-42 \xt*\x*tinik sen an. Li va mete sou li pantelon fèt an len yo, ak sou-vètman an len ki va toupre kò li a, epi li va mare senti li an len, e li va abiye avèk tiban len an. Sa yo se vètman sen yo. Li va benyen kò li nan dlo, e li va vin abiye ak yo. \v 5 Li va pran soti nan asanble Israël la \x + \xo 16:5 \xo*\xt II Kwo 29:21 \xt*\x*de mal kabrit kòm yon ofrann peche ak yon belye kòm yon ofrann brile. \p \v 6 “Konsa, \x + \xo 16:6 \xo*\xt Eb 5:3 \xt*\x*Aaron va ofri towo a kòm ofrann peche ki pou li menm nan, pou li kapab fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li. \v 7 Li va pran de kabrit yo, e li va prezante yo devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a. \v 8 Aaron va fè tiraj osò pou de kabrit sa yo, yon osò pou SENYÈ a, e lòt osò a pou kabrit ekspiyatwa a. \v 9 Alò, Aaron va ofri kabrit la sou sila osò SENYÈ a tonbe a, e fè li vin yon ofrann peche. \v 10 Men kabrit la sou sila osò kabrit ekspiyatwa a vin tonbe a, li va vin prezante vivan devan SENYÈ a, pou fè \x + \xo 16:10 \xo*\xt És 53:10 \xt*\x*ekspiyasyon sou li, e pou voye li nan dezè a kòm kabrit ekspiyatwa a. \p \v 11 “Alò Aaron va ofri towo ofrann peche \x + \xo 16:11 \xo*\xt Eb 7:27\xt*\x*ki pou li menm nan, li va fè ekspiyasyon pou li menm ak \x + \xo 16:11 \xo*\xt Lev 16:33\xt*\x*pou tout lakay li, e li va touye towo ofrann peche ki pou li menm nan. \v 12 Li va pran yon \x + \xo 16:12 \xo*\xt Lev 10:1; Egz 30:34-38 \xt*\x*plato pou resevwa san ki ranpli avèk chabon cho ki sòti sou lotèl la devan SENYÈ a, de men plen avèk lansan dous moulen byen fen, e mennen li anndan vwal la. \v 13 Li va mete lansan an sou dife a devan SENYÈ a, pou nwaj lafimen lansan an kapab kouvri \x + \xo 16:13 \xo*\xt Egz 25:21 \xt*\x*twòn ekspiyatwa ki sou lach temwayaj la; otreman, li va mouri. \v 14 Anplis, \x + \xo 16:14 \xo*\xt Eb 9:25 \xt*\x*li va pran kèk nan san towo a e li va flite li \x + \xo 16:14 \xo*\xt Lev 4:6-17\xt*\x*avèk dwèt li sou twòn pwopiyatwa sou kote lès la; anplis, pa devan nan twòn pwopiyatwa a, li va flite kèk nan san an avèk dwèt li sèt fwa. \p \v 15 “Epi li va touye kabrit ofrann peche \x + \xo 16:15 \xo*\xt Eb 7:27 \xt*\x*ki pou pèp la. Li va mennen san li anndan vwal la, e li va fè avèk san li jan li te fè avèk san towo a. Li va flite li sou twòn pwopiyatwa a. \v 16 \x + \xo 16:16 \xo*\xt Egz 30:10 \xt*\x*Li va fè ekspiyasyon pou lye sen an akoz salte fis Israël yo, akoz transgresyon pa yo avèk tout peche yo. Konsa, li va fè pou tant asanble ki rete avèk yo nan mitan tout salte pa yo. \v 17 Lè li antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, pèsòn pa pou nan tant asanble a jiskaske li sòti, pou li kapab fè ekspyasyon an pou li menm, pou lakay li, ak pou tout asanble Israël la. \p \v 18 “Konsa, li va ale deyò vè lotèl ki devan SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou li. Li va pran kèk nan san towo a, san kabrit la pou \x + \xo 16:18 \xo*\xt Lev 4:25 \xt*\x*mete li sou kòn yo sou tout kote nan lotèl la. \v 19 Avèk dwèt li, li va flite kèk nan san an sou li sèt fwa pou fè l vin pwòp, soti nan salte a fis Israël yo, e konsakre li. \p \v 20 “Lè li fin fè ekspiyasyon pou lye sen an, tant asanble a, ak lotèl la, li va ofri kabrit vivan an. \v 21 Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va \x + \xo 16:21 \xo*\xt Lev 5:5 \xt*\x*konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa. \v 22 Kabrit la va pote sou li menm tout inikite pa yo pou rive nan yon peyi izole. Li va lage kabrit la nan dezè a. \p \v 23 “Epi Aaron va vini nan tant asanble a pou retire \x + \xo 16:23 \xo*\xt Lev 16:4 \xt*\x*vètman len ke li te mete lè li te antre nan sen lye an, e li va kite yo la. \v 24 \x + \xo 16:24 \xo*\xt Lev 16:4\xt*\x*Li va benyen kò li avèk dlo nan yon lye sen. Li va mete \x + \xo 16:24 \xo*\xt Egz 28:40-41\xt*\x*vètman li yo pou vin parèt e ofri ofrann brile pa li avèk ofrann brile ki pou pèp la, epi pou fè ekspiyasyon pou li menm ak pou pèp la. \v 25 Li va ofri nan lafimen grès ofrann peche a sou lotèl la. \p \v 26 “Sila ki te lage kabrit la kòm kabrit ekspiyasyon an, gen pou \x + \xo 16:26 \xo*\xt Lev 11:25-40 \xt*\x*lave rad li, e benyen kò li avèk dlo. Alò apre, li va antre nan kan an. \v 27 Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, \x + \xo 16:27 \xo*\xt Lev 6:30 \xt*\x* san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife. \v 28 Epi sila ki brile yo a, va lave rad li, benyen kò l nan dlo, e apre, li va vin antre nan kan an. \p \v 29 “Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan \x + \xo 16:29 \xo*\xt Lev 23:27 \xt*\x*setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo. \v 30 Paske se nan jou sa a ke ekspiyasyon an va fèt pou nou pou \x + \xo 16:30 \xo*\xt Jr 33:8 \xt*\x*fè nou vin pwòp. Nou va netwaye de tout peche nou yo devan SENYÈ a. \v 31 Se va yon Saba repo solanèl pou nou, pou nou kapab vin \x + \xo 16:31 \xo*\xt Egz 8:21 \xt*\x*imilye nanm nou. Sa se yon règleman ki pou tout tan. \v 32 Alò prèt ki onksyone e òdone pou sèvi kòm prèt nan plas papa li a va fè ekspiyasyon an. Li va abiye ak \x + \xo 16:32 \xo*\xt Lev 16:4 \xt*\x*vètman len yo, vètman sen yo. \v 33 Konsa, li va fè ekspiyasyon pou sanktyè sen an, e li va fè ekspiyasyon pou tant asanble a ak pou lotèl la. Li va osi fè ekspiyasyon pou \x + \xo 16:33 \xo*\xt Lev 16:11 \xt*\x*prèt yo ak pou tout pèp asanble a. \p \v 34 “Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou \x + \xo 16:34 \xo*\xt Eb 9:7 \xt*\x*fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo, yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt. \c 17 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk Aaron, avèk fis li yo e ak tout fis Israël yo. Di yo: ‘Se sa ke SENYÈ a te kòmande e te di: \v 3 “Nenpòt moun ki sòti lakay Israël ki touye yon bèf oswa yon jenn mouton, oswa yon kabrit nan kan an, oswa touye li deyò kan an, \v 4 epi ki \x + \xo 17:4 \xo*\xt Det 12:5-21 \xt*\x*pa t pote li nan pòtay tant asanble a pou prezante li kòm yon ofrann a SENYÈ a devan tabènak SENYÈ a, koupabilite vèse san an va kontwole sou moun sila a. Li te vèse san e moun sa a va koupe retire de pèp li a. \v 5 Rezon pou sa a se pou pèmèt fis Israël yo pote sakrifis ke y ap fè nan gran chan yo, pou yo kapab pote yo antre vè SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a vè prèt la, e pou fè sakrifis yo kòm sakrifis ofrann lapè bay SENYÈ a. \v 6 Prèt la va flite san an sou lotèl SENYÈ a nan pòtay tant asanble a, e li va \x + \xo 17:6 \xo*\xt Nonb 18:17 \xt*\x* ofri grès la nan lafimen kòm yon bagay santi bon bay SENYÈ a. \v 7 \x + \xo 17:7 \xo*\xt Egz 22:20 \xt*\x*Yo p ap fè sakrifis yo ankò bay kabrit a zidòl demon avèk sila yo fè jwèt pwostitisyon yo. Sa se yon règleman pou tout jenerasyon pa yo.”’” \p \v 8 “Epi ou va di yo: ‘Nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami nou yo, ki ofri yon ofrann brile oswa yon sakrifis, \v 9 epi ki \x + \xo 17:9 \xo*\xt Egz 20:24 \xt*\x*pa mennen li nan pòtay tant asanble a pou ofri li bay SENYÈ a, moun sila a osi va koupe retire de pèp li a. \p \v 10 “‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, \x + \xo 17:10 \xo*\xt Lev 20:3-6 \xt*\x*Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’ \v 11 Paske \x + \xo 17:11 \xo*\xt Jen 9:4 \xt*\x*vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an. \v 12 Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: ‘Pèsòn pami nou pa pou bwè san, ni okenn etranje ki rete pami nou p ap kab bwè san.’ \p \v 13 “Pou sa, lè yon moun pami fis Israël yo oswa nan etranje ki rete pami yo, ki nan fè lachas kenbe yon bèt oswa yon zwazo ki kapab manje, \x + \xo 17:13 \xo*\xt Det 12:16 \xt*\x*li va vide san li e kouvri li avèk tè. \v 14 \x + \xo 17:14 \xo*\xt Jen 9:4 \xt*\x*Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire. \p \v 15 \x + \xo 17:15 \xo*\xt Egz 22:31 \xt*\x*“Lè yon moun manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt kit li se yon moun peyi a, oswa yon etranje, li va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. Konsa, li va vin pwòp. \v 16 Men si li pa lave oswa benyen kò li, \x + \xo 17:16 \xo*\xt Nonb 19:20 \xt*\x*li va pote koupabilite li.” \c 18 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: \x + \xo 18:2 \xo*\xt Egz 6:7 \xt*\x*‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \v 3 Pinga nou fè sa ki te \x + \xo 18:3 \xo*\xt Éz 20:7-8 \xt*\x*fèt nan peyi Égypte kote nou te rete a, ni pinga nou fè sa ki fèt nan peyi Canaan kote Mwen ap mennen nou an. Pinga nou mache nan règleman pa yo. \v 4 Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. \x + \xo 18:4 \xo*\xt Lev 18:2 \xt*\x*Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \v 5 Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, \x + \xo 18:5 \xo*\xt Wo 10:5 \xt*\x*pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a. \p \v 6 “‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a. \p \v 7 \x + \xo 18:7 \xo*\xt Lev 20:11 \xt*\x*“‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, ni nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li. \p \v 8 \x + \xo 18:8 \xo*\xt Lev 20:11 \xt*\x*“‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou. \p \v 9 \x + \xo 18:9 \xo*\xt Lev 18:11 \xt*\x*“‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo. \p \v 10 “‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou. \p \v 11 “‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li. \p \v 12 \x + \xo 18:12 \xo*\xt Lev 20:19 \xt*\x*“‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou. Li se pwòp relasyon san papa nou. \p \v 13 “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou. \p \v 14 “‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou. Nou pa pou pwoche madanm li. Li se matant nou. \p \v 15 \x + \xo 18:15 \xo*\xt Lev 20:12 \xt*\x*“‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li. \p \v 16 \x + \xo 18:16 \xo*\xt Lev 20:21 \xt*\x*“‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou. Li se nidite a frè nou. \p \v 17 \x + \xo 18:17 \xo*\xt Lev 20:14 \xt*\x*“‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li. Ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li. Yo se relasyon san. Sa vrèman lèd. \p \v 18 “‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li. \p \v 19 \x + \xo 18:19 \xo*\xt Lev 15:24 \xt*\x*“‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp. \p \v 20 \x + \xo 18:20 \xo*\xt Lev 20:10 \xt*\x*“‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li. \p \v 21 “‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo \x + \xo 18:21 \xo*\xt Lev 20:2-5 \xt*\x*pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a. \p \v 22 \x + \xo 18:22 \xo*\xt Lev 20:13 \xt*\x*“‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon. \p \v 23 “‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon. \p \v 24 “‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi. \v 25 Paske peyi a gen tan vin konwonpi. \x + \xo 18:25 \xo*\xt Lev 20:23 \xt*\x*Pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò. \v 26 Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo \v 27 (paske moun peyi a ki te devan nou yo, te fè tout abominasyon sa yo, e peyi a te vin konwonpi); \v 28 pou peyi a pa krache mete nou deyò, si nou ta vin konwonpi li, tankou li te krache mete deyò nasyon ki te devan nou yo. \p \v 29 “‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a. \v 30 Konsa, se pou nou kenbe \x + \xo 18:30 \xo*\xt Lev 22:9 \xt*\x*lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’” \c 19 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk tout asanble a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va sen, paske Mwen menm, SENYÈ a, Bondye nou an, Mwen sen. \p \v 3 “‘Nou chak \x + \xo 19:3 \xo*\xt Det 5:16\xt*\x*va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe \x + \xo 19:3 \xo*\xt Egz 20:6\xt*\x*Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 4 “‘Pa vire vè \x + \xo 19:4 \xo*\xt Lev 26:1 \xt*\x*zidòl yo, ni fè pou nou menm dye metal fonn yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 5 “‘Alò, lè nou ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a, nou va ofri li pou nou kapab vin aksepte. \v 6 Li va manje nan menm jou ke nou ofri li a, ak jou apre a. Si gen ki rete jis nan twazyèm jou a, li va vin brile avèk dife. \v 7 Konsa, si li ta manje menm nan twazyèm jou a, sa se yon ofans. Li p ap aksepte. \v 8 Tout sila ki manje li yo, va pote inikite li, paske li te degrade bagay sen SENYÈ a. Konsa, moun sa a va koupe retire de pèp li a. \p \v 9 \x + \xo 19:9 \xo*\xt Lev 23:22 \xt*\x*“‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. \v 10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 11 \x + \xo 19:11 \xo*\xt Egz 20:15-16 \xt*\x*“‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt. \p \v 12 “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou \x + \xo 19:12 \xo*\xt Lev 18:21 \xt*\x*degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a. \p \v 13 \x + \xo 19:13 \xo*\xt Egz 22:7-27 \xt*\x*“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten. \p \v 14 “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon \x + \xo 19:14 \xo*\xt Det 27:18 \xt*\x*obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a. \p \v 15 \x + \xo 19:15 \xo*\xt Egz 23:3-6 \xt*\x*“‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis. \p \v 16 “‘Nou pa pou mache \x + \xo 19:16 \xo*\xt Jr 6:28 \xt*\x*bay kout lang pami pèp nou an. \p Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a. \p \v 17 “‘Nou \x + \xo 19:17 \xo*\xt I Jn 2:9-11 \xt*\x*pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li. \p \v 18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men \x + \xo 19:18 \xo*\xt Wo 13:9 \xt*\x*nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a. \p \v 19 “‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf. \p \x + \xo 19:19 \xo*\xt Det 22:9-11 \xt*\x*Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn; \p Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm. \p \v 20 \x + \xo 19:20 \xo*\xt Det 22:23-27 \xt*\x*“‘Alò, si yon nonm kouche nan zak seksyèl avèk yon fanm ki se yon esklav ki te pwomèt pou yon lòt gason, men ki pa t peye ranson li, ni pa t bay li libète l, li va pini. Malgre sa, yo p ap mete li a lanmò, paske li pa t lib. \v 21 Gason an va pote ofrann koupab li devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a; yon \x + \xo 19:21 \xo*\xt Lev 6:1-7 \xt*\x*belye pou ofrann koupab la. \v 22 Prèt la va fè ekspiyasyon pou li avèk belye ofrann koupab la devan SENYÈ a pou peche ke li te fè a, e selon peche ke li te fè a, li va vin padone. \p \v 23 “‘Lè nou antre nan peyi sa a, e plante tout kalite bwa pou manje, alò, nou va kontwole premye fwi pa yo kòm entèdi. Pandan twazan, li va entèdi a nou menm. Li p ap pou manje. \v 24 Nan katriyèm ane a, tout fwi li yo va vin sen. Yo va vin yon ofrann lwanj bay SENYÈ a. \v 25 Nan senkyèm ane a, nou gen pou manje nan fwi li, pou donn li kapab vin anpil pou nou menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 26 “‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike \x + \xo 19:26 \xo*\xt Det 18:10 \xt*\x*maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive. \p \v 27 \x + \xo 19:27 \xo*\xt Lev 21:5 \xt*\x*“‘Nou pa pou koupe kwen cheve tèt nou, ni taye sou kote bab nou. \p \v 28 “‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a. \p \v 29 \x + \xo 19:29 \xo*\xt Lev 21:9 \xt*\x*“‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, sòf ke peyi a menm ta tonbe nan pwostitisyon, e ranpli avèk tout kalite bagay lèd. \p \v 30 “‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a. \p \v 31 “‘Pa vire bò kote \x + \xo 19:31 \xo*\xt Lev 20:6-27 \xt*\x*moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 32 \x + \xo 19:32 \xo*\xt Lam 5:12 \xt*\x*“‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a. \p \v 33 “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. \x + \xo 19:33 \xo*\xt Egz 22:21 \xt*\x* \v 34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. \x + \xo 19:34 \xo*\xt Lev 19:18 \xt*\x*Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \v 35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. \v 36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la. \x + \xo 19:36 \xo*\xt Det 25:13-15 \xt*\x* \p \v 37 “‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’” \c 20 \p \v 1 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 2 “Ou va osi di a fis Israël yo: ‘Nenpòt moun nan fis Israël yo, oswa nan etranje ki rete an Israël yo \x + \xo 20:2 \xo*\xt Lev 18:21 \xt*\x*ki bay nenpòt nan pitit li yo a Moloc, li va vrèman vin mete a lanmò. Pèp peyi a va lapide moun sa a avèk kout wòch. \v 3 Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou \x + \xo 20:3 \xo*\xt Lev 15:31\xt*\x*konwonpi sanktyè Mwen an, e \x + \xo 20:3 \xo*\xt Lev 18:21\xt*\x*degrade non sen Mwen an. \v 4 Men si moun nan peyi a ta janm tolere moun sa a lè li bay nan pitit li yo bay Moloc, e pa mete l a lanmò, \v 5 alò, Mwen menm va mete figi Mwen kont moun sila a ak kont fanmi li, e Mwen va koupe retire de pèp li a; non sèlman li menm, men tout sila ki jwe pwostitiye dèyè li yo, lè yo jwe pwostitiye dèyè Moloc. \p \v 6 “‘Epi pou moun ki vire vè \x + \xo 20:6 \xo*\xt Lev 19:31 \xt*\x*moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a. \p \v 7 “‘Konsa, nou va konsakre nou menm e nou va \x + \xo 20:7 \xo*\xt Ef 1:4 \xt*\x*rete sen, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 8 \x + \xo 20:8 \xo*\xt Egz 31:13 \xt*\x*“‘Nou va kenbe règleman Mwen yo, e nou va swiv yo. Mwen se SENYÈ a ki fè nou sen an. \p \v 9 “‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li. \x + \xo 20:9 \xo*\xt Egz 21:17 \xt*\x* \p \v 10 \x + \xo 20:10 \xo*\xt Lev 18:20 \xt*\x*“‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè la avèk fanm adiltè la va vrèman vin mete a lanmò. \p \v 11 \x + \xo 20:11 \xo*\xt Lev 18:7-8 \xt*\x*“‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo. \p \v 12 \x + \xo 20:12 \xo*\xt Lev 18:15 \xt*\x*“‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo. \p \v 13 \x + \xo 20:13 \xo*\xt Lev 18:22 \xt*\x*“‘Si gen yon gason ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo. \p \v 14 \x + \xo 20:14 \xo*\xt Lev 18:17 \xt*\x*“‘Si gen yon mesye ki marye avèk yon fanm ansanm ak manman li, sa se konwonpi. Yo tout va brile avèk dife pou mechanste pa rete nan mitan nou. \p \v 15 \x + \xo 20:15 \xo*\xt Lev 18:23 \xt*\x*“‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon bèt, li va vrèman vin mete a lanmò. Nou va anplis touye bèt la. \p \v 16 “‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo. \p \v 17 \x + \xo 20:17 \xo*\xt Lev 18:9 \xt*\x*“‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo wont. Yo va koupe retire devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li. Li pote koupabilite pa l. \p \v 18 \x + \xo 20:18 \xo*\xt Lev 15:24 \xt*\x*“‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a. \p \v 19 \x + \xo 20:19 \xo*\xt Lev 18:12-13 \xt*\x*“‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, ni sè papa nou, paske yon nonm konsa te fè nidite a fanmi de san li vin parèt. Yo va pote koupabilite yo. \p \v 20 \x + \xo 20:20 \xo*\xt Lev 18:14 \xt*\x*“‘Si gen yon mesye ki kouche avèk madanm tonton li, li te dekouvri nidite tonton li. Yo va pote peche yo. Yo va mouri san fè pitit. \p \v 21 \x + \xo 20:21 \xo*\xt Lev 18:16 \xt*\x*“‘Si gen yon mesye ki pran madanm a frè li, sa se abominab. Li te dekouvri nidite a frè li. Yo p ap janm fè pitit. \p \v 22 “‘Konsa, nou gen pou kenbe tout règleman ak tout òdonans Mwen yo e fè yo, pou peyi kote M ap mennen nou pou viv la, pa \x + \xo 20:22 \xo*\xt Lev 18:28 \xt*\x*krache mete nou deyò. \v 23 Anplis, nou pa pou swiv \x + \xo 20:23 \xo*\xt Luc 18:3 \xt*\x*koutim nasyon sa yo ke Mwen va pouse fè sòti devan nou yo, paske yo te fè tout bagay sa yo, e konsa, Mwen te vin rayi yo. \v 24 Konsa Mwen te di nou: \x + \xo 20:24 \xo*\xt Egz 13:5 \xt*\x*“Nou dwe posede peyi pa yo a, e Mwen menm va bannou li pou posesyon, yon peyi k ap koule lèt ak siwo myèl.” Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mete nou apa de lòt pèp yo. \p \v 25 “‘Se konsa ke nou gen pou distinge antre bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, e antre zwazo ki pa pwòp ak sa ki pwòp la. Nou pa pou fè tèt nou vin abominab ni pa bèt, ni pa zwazo, ni pa sa ki trennen atè reptil ke Mwen te separe pou nou kòm pa pwòp. \v 26 Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen. \p \v 27 “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm \x + \xo 20:27 \xo*\xt Lev 19:31 \xt*\x*ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’” \c 21 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: \x + \xo 21:1 \xo*\xt Lev 19:28 \xt*\x*‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a, \v 2 \x + \xo 21:2 \xo*\xt Lev 21:11 \xt*\x*sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li, \v 3 ak pou sè vyèj li, ki prè li, ki pa t gen mari. Pou sila a, li kapab konwonpi kò l. \v 4 Li pa pou konwonpi kò l, akoz li se yon gwo chèf pami pèp li a, e konsa, pou vin degrade tèt li. \p \v 5 \x + \xo 21:5 \xo*\xt Det 14:1 \xt*\x*“‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo. \v 6 Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo \x + \xo 21:6 \xo*\xt Lev 18:21\xt*\x*p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, \x + \xo 21:6 \xo*\xt Lev 3:11\xt*\x*manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen. \p \v 7 \x + \xo 21:7 \xo*\xt Lev 21:13-14 \xt*\x*“‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a. \v 8 Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou \x + \xo 21:8 \xo*\xt Lev 21:6 \xt*\x*manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen. \p \v 9 \x + \xo 21:9 \xo*\xt Jen 38:24 \xt*\x*“‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife. \p \v 10 “‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, \x + \xo 21:10 \xo*\xt Lev 10:6 \xt*\x*pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li. \v 11 \x + \xo 21:11 \xo*\xt Lev 19:28 \xt*\x*Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li. \v 12 \x + \xo 21:12 \xo*\xt Lev 10:7 \xt*\x*Li pa pou sòti nan sanktyè a, ni konwonpi sanktyè Bondye li a, paske konsekrasyon lwil sen an sou li. Mwen se SENYÈ a. \p \v 13 “‘Li va pran yon madanm ki vyèj. \v 14 \x + \xo 21:14 \xo*\xt Lev 21:7 \xt*\x*Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a. \v 15 Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’” \p \v 16 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 17 “Pale avèk Aaron. Di l: ‘Okenn moun pami nou ki gen yon defo fizik p ap pwoche pou ofri \x + \xo 21:17 \xo*\xt Lev 2:16 \xt*\x*manje bay Bondye li a. \v 18 \x + \xo 21:18 \xo*\xt Lev 22:19-25 \xt*\x*Paske nenpòt moun ki gen yon defo p ap pwoche: yon nonm avèg, yon bwate, yon nonm ki gen figi defòme, oswa okenn manm kò defòme, \v 19 yon nonm pye kase oswa men kase, \v 20 yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje. \v 21 Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri \x + \xo 21:21 \xo*\xt Lev 21:6 \xt*\x*pen ki pou Bondye li a. \v 22 Li kapab manje \x + \xo 21:22 \xo*\xt I Kor 9:13 \xt*\x*pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an. \v 23 Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’” \p \v 24 Alò, Moïse te pale avèk Aaron, a fis li yo, e a tout fis Israël yo. \c 22 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a. \p \v 3 “Di yo ke: \x + \xo 22:3 \xo*\xt Lev 7:20-21 \xt*\x*‘Si nenpòt moun pami tout jenerasyon nou yo vin pwoche de bagay sen yo, ke fis Israël yo te dedye bay SENYÈ a pandan li pa pwòp, moun sa a va koupe retire devan M. Mwen se SENYÈ a. \p \v 4 \x + \xo 22:4 \xo*\xt Lev 14:1-32 \xt*\x*“‘P ap gen yon nonm pami desandan Aaron yo ki gen lalèp oswa yon ekoulman ki kapab manje nan bagay sen yo jiskaske li vin pwòp. Konsa, si youn vin touche nenpòt bagay ki fèt pa pwòp pa yon moun mouri, oswa si yon nonm vin fè yon ekoulman, \v 5 oswa, \x + \xo 22:5 \xo*\xt Lev 11:23-28 \xt*\x*si yon mesye vin touche nenpòt nan bèt ki trennen atè, oswa nenpòt moun ki fè l vin pa pwòp, nenpòt sa ki fè l pa pwòp; \v 6 ke yon moun ki touche nenpòt kalite bagay konsa va pa pwòp jis rive nan aswè, e li p ap kab patisipe nan manje nan bagay sen yo sof ke li benyen kò l nan dlo. \v 7 Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske \x + \xo 22:7 \xo*\xt Nonb 18:11 \xt*\x*se manje li. \v 8 Li pa pou manje \x + \xo 22:8 \xo*\xt Lev 7:24 \xt*\x*yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt, pou fè l vin pa pwòp. \p \v 9 “‘Konsa, yo va kenbe \x + \xo 22:9 \xo*\xt Lev 18:30 \xt*\x*lòd Mwen, pou yo pa pote peche akoz li, e mouri konsa si yo souye li. Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an. \p \v 10 \x + \xo 22:10 \xo*\xt Egz 29:33 \xt*\x*“‘Okenn etranje pa pou manje kado sen an. Yon vwayajè k ap rete ak prèt la, oswa yon ouvriye pa pou manje nan kado sen an. \v 11 \x + \xo 22:11 \xo*\xt Jen 17:13 \xt*\x*Men si yon prèt achte yon esklav kòm pwòp byen pa li, avèk pwòp lajan pa li, sila a kapab manje nan li, e sila ki te ne nan kay li yo kapab manje manje li. \v 12 Si fi a yon prèt vin marye avèk yon moun ki pa prèt, li pa pou manje nan kado ofrann yo. \v 13 Men si fi a yon prèt vin vèv, oswa divòse, e pa gen pitit, si li vin retounen lakay papa li, tankou lè l te jèn, li va manje nan manje papa li; \x + \xo 22:13 \xo*\xt Lev 22:10 \xt*\x*men moun deyò p ap kab manje li. \p \v 14 \x + \xo 22:14 \xo*\xt Lev 5:15-16 \xt*\x*“‘Men si yon nonm manje yon kado sen san konnen, alò, li va mete sou fòs li yon senkyèm anplis valè li, e li va bay kado sen an bay prèt la. \v 15 \x + \xo 22:15 \xo*\xt Nonb 18:32 \xt*\x*Yo pa pou degrade kado sen ki pou fis Israël yo, ke yo ofri bay SENYÈ a, \v 16 epi konsa, fè yo \x + \xo 22:16 \xo*\xt Lev 10:17 \xt*\x*pote pinisyon pou koupabilite akoz manje nan kado sen pa yo; paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’” \p \v 17 Alò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 18 “Pale avèk Aaron, ak fis li yo, epi tout fis Israël yo. Di yo: \x + \xo 22:18 \xo*\xt Nonb 15:4 \xt*\x*‘Nenpòt moun nan kay Israël la oswa pami etranje yo nan Israël ki prezante ofrann li, sof ke se youn nan ofrann sèman yo oswa ofrann bòn volonte yo, ke yo prezante bay SENYÈ a kòm yon ofrann brile— \v 19 \x + \xo 22:19 \xo*\xt Lev 21:18-21 \xt*\x*pou nou ta aksepte li—li oblije ke se yon mal san defo ki sòti nan bèf, mouton, oswa kabrit. \v 20 \x + \xo 22:20 \xo*\xt Mal 1:8-14 \xt*\x*Nenpòt bèt ki gen defo, nou pa pou ofri li, paske li p ap akseptab pou nou. \v 21 Lè yon moun ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a \x + \xo 22:21 \xo*\xt Nonb 15:3-8 \xt*\x*pou ranpli yon ve espesifik, oswa yon ofrann bòn volonte ki sòti nan bann mouton oswa nan twoupo, fòk li bon nèt pou l kapab aksepte. Li pa pou gen defo menm nan li. \v 22 Sila ki avèg yo, ki gen zo kase, oswa donmaje yo, sila ki gen maleng ekoulman, ekzema, oswa kal yo, nou pa pou ofri yo bay SENYÈ a, ni fè yon ofrann pa dife sou lotèl bay SENYÈ a. \v 23 Pou yon bèf, oswa yon jenn ti mouton ki gen youn nan manm li ki pi gwo oswa pi piti ke lòt yo, nou kapab prezante li kòm yon ofrann bòn volonte, men kòm yon ofrann ve, li p ap aksepte. \v 24 Osi, \x + \xo 22:24 \xo*\xt Lev 21:20 \xt*\x*nenpòt nan yo avèk boul grenn li brize oswa kraze, chire oswa koupe, nou pa pou ofri li bay SENYÈ a, ni fè sakrifis avèk li nan peyi nou an. \v 25 Ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann \x + \xo 22:25 \xo*\xt Lev 21:22 \xt*\x*manje pou Bondye nou an, paske yo konwonpi. Yo gen defo. Yo pa pou aksepte pou nou.’” \p \v 26 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: \v 27 “Lè yon bèf oswa yon mouton, oswa yon kabrit vin fèt, li va rete \x + \xo 22:27 \xo*\xt Egz 22:30 \xt*\x*pandan sèt jou avèk manman li. Men depi nan uityèm jou a, li va vin aksepte kòm yon sakrifis pou yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. \v 28 \x + \xo 22:28 \xo*\xt Det 22:6-7 \xt*\x*Menm si se yon bèf, oswa yon mouton, nou pa pou touye li ansanm avèk pitit li nan yon sèl jou. \p \v 29 “Lè nou ofri yon \x + \xo 22:29 \xo*\xt Lev 7:12 \xt*\x*sakrifis pou remèsiman bay SENYÈ a, nou va fè sakrifis la yon jan pou l aksepte. \v 30 Li va manje nan menm jou a, nou pa pou kite anyen de li pou rive jis nan maten. Mwen se SENYÈ a. \p \v 31 \x + \xo 22:31 \xo*\xt Lev 19:37 \xt*\x*“Konsa nou va kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a. \v 32 Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an, \v 33 \x + \xo 22:33 \xo*\xt Lev 11:45 \xt*\x*ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la, pou vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a.” \c 23 \p \v 1 SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va \x + \xo 23:2 \xo*\xt Lev 23:21 \xt*\x*pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo. \p \v 3 \x + \xo 23:3 \xo*\xt Lev 19:3 \xt*\x*“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo. \p \v 4 “‘Sa yo se lè \x + \xo 23:4 \xo*\xt Egz 23:14 \xt*\x* fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo. \v 5 \x + \xo 23:5 \xo*\xt Det 16:1 \xt*\x*Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a. \v 6 Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, \x + \xo 23:6 \xo*\xt Egz 12:14-20 \xt*\x*fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven. \v 7 Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou \x + \xo 23:7 \xo*\xt Lev 23:8,21,25,35,36 \xt*\x*p ap fè okenn travay di. \v 8 Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’” \p \v 9 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 10 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou \x + \xo 23:10 \xo*\xt Egz 23:19 \xt*\x*fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la. \v 11 Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè. \v 12 Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a. \v 13 \x + \xo 23:13 \xo*\xt Lev 6:20 \xt*\x*Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven. \v 14 Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, \x + \xo 23:14 \xo*\xt Egz 34:26 \xt*\x*nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo. \p \v 15 \x + \xo 23:15 \xo*\xt Nonb 28:26-31 \xt*\x*“‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè. \v 16 Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon \x + \xo 23:16 \xo*\xt Nonb 28:26 \xt*\x*ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a. \v 17 Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit \x + \xo 23:17 \xo*\xt Lev 2:12 \xt*\x*avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a. \v 18 Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a. \v 19 Nou va osi ofri \x + \xo 23:19 \xo*\xt Lev 4:23 \xt*\x*yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè. \v 20 Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la. \v 21 Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn \x + \xo 23:21 \xo*\xt Lev 23:7 \xt*\x*travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo. \p \v 22 \x + \xo 23:22 \xo*\xt Det 24:19 \xt*\x*“‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’” \p \v 23 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 24 “Pale avèk fis Israël yo pou di: \x + \xo 23:24 \xo*\xt Nonb 29:1\xt*\x*‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon \x + \xo 23:24 \xo*\xt Nonb 10:9-10\xt*\x*tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen. \v 25 Nou \x + \xo 23:25 \xo*\xt Lev 23:21 \xt*\x*pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’” \p \v 26 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 27 Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se \x + \xo 23:27 \xo*\xt Egz 30:10 \xt*\x*jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. \v 28 Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, \x + \xo 23:28 \xo*\xt Lev 16:34 \xt*\x*pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an. \v 29 Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, \x + \xo 23:29 \xo*\xt Jen 17:14 \xt*\x*li va koupe retire de pèp li a. \v 30 Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a. \v 31 Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo. \v 32 Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou. \p \v 33 Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 34 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a.\x + \xo 23:34 \xo*\xt Nonb 29:12\xt*\x* \v 35 Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè \x + \xo 23:35 \xo*\xt Lev 23:25 \xt*\x*okenn kalite travay ki di. \v 36 \x + \xo 23:36 \xo*\xt Nonb 29:12-34 \xt*\x*Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di. \p \v 37 “‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, \x + \xo 23:37 \xo*\xt Nonb 28:1-29 \xt*\x*zafè chak jou nan pwòp jou pa li— \v 38 apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo. \p \v 39 “‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, \x + \xo 23:39 \xo*\xt Egz 23:16 \xt*\x*lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solonèl nan premye jou a, e yon repo solonèl nan uityèm jou a. \v 40 Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou. \v 41 Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a. \v 42 Nou va viv \x + \xo 23:42 \xo*\xt Lev 23:34 \xt*\x*nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo, \v 43 pou \x + \xo 23:43 \xo*\xt Det 31:13 \xt*\x*jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’” \p \v 44 Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo \x + \xo 23:44 \xo*\xt Lev 23:37 \xt*\x* tout lè ki te deziye pa Bondye yo. \c 24 \p \v 1 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 Kòmande fis Israël yo pou yo pote bay ou \x + \xo 24:2 \xo*\xt Egz 27:20-21 \xt*\x*lwil klè ki sòti nan oliv ki te bat yo, pou limyè, pou fè lanp lan briye san rete. \v 3 Deyò vwal temwayaj tant asanble a, Aaron va kenbe li an lòd soti nan aswè rive jis nan maten devan SENYÈ a pou tout tan. Sa va yon règleman pandan tout jenerasyon nou yo. \v 4 Li va kenbe lanp an lòd sou \x + \xo 24:4 \xo*\xt Egz 25:31 \xt*\x*chandelye an lò devan SENYÈ a pou tout tan. \p \v 5 \x + \xo 24:5 \xo*\xt Egz 25:30 \xt*\x*Konsa, nou va pran farin fen an e fè douz gato avèk li: de dizyèm pati yon efa va sèvi nan chak gato. \v 6 Nou va mete yo nan de ranje, sis nan chak ranje, sou \x + \xo 24:6 \xo*\xt Egz 25:24 \xt*\x*tab lò san tach ki devan SENYÈ a. \v 7 Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon \x + \xo 24:7 \xo*\xt Lev 2:2,9,16 \xt*\x*pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. \v 8 Chak jou Saba, li va mete li an lòd devan SENYÈ a \x + \xo 24:8 \xo*\xt Egz 25:30 \xt*\x*pou tout tan. Se yon akò k ap dire pou tout tan pou fis Israël yo. \v 9 \x + \xo 24:9 \xo*\xt Mat 12:4 \xt*\x*Li va pou Aaron avèk fis li yo. Yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout ofran ki soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan. \p \v 10 Alò, fis a yon famn Izrayelit avèk yon papa Ejipsyen, te sòti pami fis Israël yo. Konsa, fis a fanm Izrayelit la ak yon mesye peyi Israël te lite youn avèk lòt nan kan an. \v 11 Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme \x + \xo 24:11 \xo*\xt Job 2:5-9 \xt*\x*Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan. \v 12 Yo te arete li pou lòd SENYÈ a ta kapab vin klè a yo menm. \p \v 13 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di: \v 14 “Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo \x + \xo 24:14 \xo*\xt Det 13:9 \xt*\x*vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch. \v 15 Ou va pale avèk fis Israël yo e di: \x + \xo 24:15 \xo*\xt Egz 22:28 \xt*\x*‘Si yon moun modi Bondye li a, alò, li va pote peche li. \v 16 Anplis, sila ki \x + \xo 24:16 \xo*\xt Lev 24:21 \xt*\x*blasfeme non a SENYÈ a va vrèman vin mete a lanmò. Tout asanble a va vrèman lapide li. Etranje oswa natif, lè li blasfeme Non Bondye, li va vin mete a lanmò. \p \v 17 \x + \xo 24:17 \xo*\xt Nonb 35:30-31 \xt*\x*“‘Si yon nonm pran lavi a yon Kretyen vivan, li va vrèman vin mete a lanmò. \v 18 \x + \xo 24:18 \xo*\xt Lev 24:21 \xt*\x*Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi. \v 19 Si yon nonm blese vwazen li, menm sa ke li te fè a, va fèt a li menm: \v 20 zo kase pou zo kase, \x + \xo 24:20 \xo*\xt Mat 5:38 \xt*\x*zye pou zye, dan pou dan. Menm jan ke li te blese yon moun, se konsa ke li va fèt sou li menm. \v 21 Konsa, sila ki touye yon bèt va fè li bon, men \x + \xo 24:21 \xo*\xt Lev 24:17 \xt*\x*sila ki touye yon moun va vin mete a lanmò. \v 22 Va gen yon sèl règleman pou nou. Li va pou etranje kòm pou moun peyi a, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’” \p \v 23 Konsa, Moïse te pale a fis Israël yo. Yo te mennen sila ki te modi a deyò kan an, e yo te lapide li avèk kout wòch. Konsa fis Israël yo te fè, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \c 25 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a. \v 3 Pandan \x + \xo 25:3 \xo*\xt Egz 23:10-11 \xt*\x*sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li, \v 4 men pandan \x + \xo 25:4 \xo*\xt Lev 25:20 \xt*\x*setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an. \v 5 Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba. \v 6 Konsa, \x + \xo 25:6 \xo*\xt Lev 25:20-21 \xt*\x*nou tout va gen pwodwi Saba nan peyi a kòm manje nou; nou menm, esklav yo, ni mal ni femèl, anplwaye nou yo, etranje ki rezidan pami nou yo, sila ki viv tankou moun lòt nasyon pami nou yo. \v 7 Menm bèf nou yo avèk bèt ki nan peyi a va gen tout pwodwi li kòm manje. \p \v 8 “‘Nou dwe osi kontwole sèt Saba pa lane yo pou nou menm; sèt fwa sèt ane, jiskaske nou kontwole tan ke sèt Saba nan Saba ekoule yo; otreman, karant-nèf ane. \v 9 Alò, lè lè sa a rive nou va sone kòn belye a toupatou nan \x + \xo 25:9 \xo*\xt Lev 23:27 \xt*\x*dizyèm jou nan setyèm mwa a. Nan jou ekspiyasyon an, nou va sone yon kòn toupatou nan peyi a. \v 10 Se konsa, nou va konsakre senkantyèm ane a e \x + \xo 25:10 \xo*\xt Jr 34:8-15-17 \xt*\x*pwoklame remisyon toupatou nan peyi a, a tout abitan li yo. Li va yon jibile pou nou, e nou chak va retounen nan pwòp teren pa nou ak pwòp fanmi pa nou. \v 11 Nou va gen senkantyèm ane a kòm yon ane jibile. Nou pa pou plante, ni rekòlte sa ki grandi konsa nan tè, ni ranmase fwi ki sòti nan branch ki pa t netwaye yo. \v 12 Paske se yon jibile; li va sen pou nou. Nou va manje pwodwi li ki sòti nan chan an. \p \v 13 \x + \xo 25:13 \xo*\xt Lev 25:10 \xt*\x*“‘Nan ane jibile sila a, nou chak va retounen nan pwòp tè pa nou. \p \v 14 “‘Anplis, si nou fè lavant bay zanmi nou, oswa achte nan men zanmi nou, \x + \xo 25:14 \xo*\xt Lev 25:17 \xt*\x*nou pa pou fè tò a youn lòt. \v 15 Konsènan nonb ane apre jibile yo, konsa, nou va achte nan men zanmi nou. Li dwe vann nou selon nonb ane rekòlt yo ki rete. \v 16 \x + \xo 25:16 \xo*\xt Lev 25:27-52 \xt*\x* Nan menm fòs ane ki rete yo, nou va ogmante pri a, e nan menm fòs ane ki manke yo, nou va redwi pri a, paske li se fòs rekòlt ki rete ke l ap vann ou an. \v 17 Konsa, \x + \xo 25:17 \xo*\xt Jr 7:5-6 \xt*\x*pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 18 “‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou \x + \xo 25:18 \xo*\xt Lev 26:5 \xt*\x*nou kapab viv an sekirite sou tè a. \p \v 19 “‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’” \p \v 20 “Men si nou ta di: \x + \xo 25:20 \xo*\xt Lev 25:4 \xt*\x*‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou pa p semen, ni rasanble pwodwi nou;’ \v 21 alò, \x + \xo 25:21 \xo*\xt Det 28:8 \xt*\x*Mwen va tèlman regle benediksyon Mwen yo pou nou nan sizyèm ane a, pou li kab pote yon rekòlt twazan. \v 22 Lè nou ap plante nan uityèm ane a, nou kapab toujou manje \x + \xo 25:22 \xo*\xt Lev 26:10 \xt*\x*ansyen bagay a rekòlt yo, e nou va kontinye manje vye a jis rive nan nevyèm ane a lè rekòlt pa li kòmanse antre a. \p \v 23 “Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske \x + \xo 25:23 \xo*\xt Egz 19:5 \xt*\x*tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M. \v 24 Konsa, nan chak mòso tè ke nou posede, fòk nou fè pwovizyon pou peye ranson tè a. \p \v 25 \x + \xo 25:25 \xo*\xt Rt 2:20 \xt*\x*“Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan. \v 26 Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an, \v 27 \x + \xo 25:27 \xo*\xt Lev 25:16 \xt*\x*alò, li va kalkile ane yo soti lè li te vann nan, e remèt fòs balans sa a moun ke li te vann li an. Konsa li va retounen vin pwòp teren pa l. \v 28 Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li. \p \v 29 “Menm jan an, si yon mesye vann yon kay nan yon vil ki antoure avèk miray, alò, dwa pou peye ranson pa l la va dire pou tout 1 nan. \v 30 Men si li pa peye ranson li an nan 1 nan ki ekoule a, alò, kay ki nan vil antoure avèk miray la va pase nèt bay sila ki te achte li pou tout jenerasyon li yo. Li p ap remèt nan jibile a. \v 31 Men kay nan vil ki pa antoure avèk miray yo va konsidere kòm chan ouvri; yo gen dwa peye ranson an e yo va remèt nan jibile a. \p \v 32 “Men nan \x + \xo 25:32 \xo*\xt Nonb 35:1-8 \xt*\x*vil ki pou Levit yo, Levit yo gen yon dwa pèmanan pou peye ranson nan vil ki se posesyon pa yo. \v 33 Konsa, sa ki pou Levit yo kapab peye ranson e yon vant kay nan vil posesyon sila a va remèt nan jibile a. Paske vil Levit yo se posesyon pa yo pami fis Israël yo. \v 34 Men chan pou bèt nan vil pa yo pa pou vann, paske sa se posesyon pa yo pou tout tan. \p \v 35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. \v 36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. \v 37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi. \v 38 \x + \xo 25:38 \xo*\xt Lev 11:45\xt*\x*Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la pou bannou peyi Canaan an \x + \xo 25:38 \xo*\xt Jen 17:7\xt*\x*pou M kapab Bondye nou. \p \v 39 \x + \xo 25:39 \xo*\xt Egz 21:2-6 \xt*\x*“Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj. \v 40 Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm \x + \xo 25:40 \xo*\xt Egz 21:2 \xt*\x*kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a. \v 41 Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan teren zansèt li yo. \v 42 Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la. \v 43 \x + \xo 25:43 \xo*\xt Egz 34:4 \xt*\x*Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an. \p \v 44 “Selon esklav, mal ak femèl ke petèt nou kapab gen,—-nou kapab jwenn esklav mal ak femèl nan nasyon payen ki antoure nou yo. \v 45 Alò, osi, se soti nan fis a demere k ap viv pami nou yo, ke nou kapab vin genyen yo, e ladann nan fanmi pa yo ki avèk nou, ke yo va gen tan pwodwi nan peyi nou; yo menm osi kapab devni posesyon pa nou. \v 46 Nou kapab menm sede a fis apre nou yo, pou resevwa yo kòm yon posesyon. Nou kapab sèvi yo kòm esklav pou tout tan. \x + \xo 25:46 \xo*\xt Lev 25:43 \xt*\x*Men pou moun peyi nou an, nou pa pou domine avèk severite youn sou lòt. \p \v 47 “Alò, si mwayen a yon etranje, oswa yon demere avèk nou vin rich, e yon moun peyi parèy a nou an vin tèlman pòv ke li vin vann tèt li bay yon etranje ki demere pami nou, oswa desandan a yon fanmi etranje, \v 48 alò, li va gen dwa peye ranson nan moman li fenk vann nan. Youn nan frè li yo kapab peye ranson li an, \v 49 oswa tonton li, oswa fis tonton li, kapab peye ranson li an, oswa \x + \xo 25:49 \xo*\xt Lev 25:26-27 \xt*\x*si li vin pwospere, li kapab peye ranson an pou pwòp tèt li. \v 50 Konsa, li menm avèk sila ki te achte li a, va kalkile ansanm soti nan ane ke li te vann tèt li bay li menm nan jis pou rive nan jibile a. Pri lavant li an va koresponn a nonb ane ke li te avèk li yo. Se tankou jou a yon jounalye ke li va avèk li. \v 51 Si gen toujou anpil ane, \x + \xo 25:51 \xo*\xt Lev 25:16 \xt*\x*li va remèt yon pati nan pri lavant lan pou kouvri yo pou peye pwòp ranson pa li. \v 52 Si se pa anpil ane ki rete pou rive nan ane jibile a, li va kalkile sa avèk li. Selon ane ki rete yo li va remèt menm fòs la pou pri ranson an. \v 53 Menm tankou yon ouvriye ki anplwaye ane pa ane li va konsa avèk li. \x + \xo 25:53 \xo*\xt Lev 25:43 \xt*\x* Li p ap domine sou li avèk severite devan zye nou. \p \v 54 “Menm si li pa peye ranson an pa mwayen sila yo, \x + \xo 25:54 \xo*\xt Lev 25:10-28 \xt*\x*li va toujou sòti nan ane jibile a, li menm avèk fis li yo avè l. \v 55 Paske fis Israël yo se sèvitè Mwen; yo se sèvitè Mwen ke M te mennen fè sòti nan peyi Égypte yo. Mwen se Senyè a, Bondye nou an. \c 26 \p \v 1 “Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon \x + \xo 26:1 \xo*\xt Egz 23:24\xt*\x*pilye sakre. Ni nou pa pou plase yon \x + \xo 26:1 \xo*\xt Nonb 33:52\xt*\x*wòch taye nan okenn fòm pou bese devan li; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 2 “Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a. \p \v 3 \x + \xo 26:3 \xo*\xt Det 7:12-26 \xt*\x*“Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo, \v 4 konsa \x + \xo 26:4 \xo*\xt Det 11:14 \xt*\x*Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo. \v 5 Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e \x + \xo 26:5 \xo*\xt Lev 25:18-19 \xt*\x*viv ansekirite nan peyi nou. \p \v 6 \x + \xo 26:6 \xo*\xt Sòm 29:11\xt*\x*“Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou \x + \xo 26:6 \xo*\xt So 3:13\xt*\x*nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou. \v 7 Men nou va kouri dèyè lènmi nou yo, e yo va tonbe devan nou pa nepe. \v 8 \x + \xo 26:8 \xo*\xt Det 32:30 \xt*\x*Senk nan nou va chase yon santèn, san nan nou va chase di-mil, e lènmi nou yo va tonbe devan nou pa nepe. \p \v 9 “Konsa, Mwen va vire vè nou pou fè nou donnen anpil fwi. Mwen va miltipliye nou, e Mwen va asire akò Mwen avèk nou. \v 10 Nou va manje nan ansyen depo a, e nou va netwaye ansyen an akoz nèf la. \v 11 \x + \xo 26:11 \xo*\xt Egz 25:8 \xt*\x*Anplis, Mwen va fè domisil Mwen pami nou, e nanm Mwen p ap rejte nou. \v 12 \x + \xo 26:12 \xo*\xt Det 23:14 \xt*\x*Mwen va osi mache pami nou, Mwen va Bondye nou, e nou va pèp Mwen. \v 13 \x + \xo 26:13 \xo*\xt Egz 20:2 \xt*\x*Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou nou pa t esklav pa yo. \x + \xo 26:13 \xo*\xt Éz 34:27\xt*\x*Mwen te kase fè esklavaj nou an, e Mwen te fè nou mache kanpe dwat. \p \v 14 \x + \xo 26:14 \xo*\xt Det 28:15-68 \xt*\x*“Men si nou pa obeyi Mwen e pa akonpli tout kòmandman sa yo, \v 15 si, okontrè, nou \x + \xo 26:15 \xo*\xt Lev 26:11 \xt*\x*rejte règleman Mwen yo, si nanm nou rayi òdonans sa yo pou li pa vin akonpli tout kòmandman Mwen yo, e kraze akò Mwen yo, \v 16 anretou, men kisa Mwen va fè nou: Mwen va apwente sou nou sibitman yon \x + \xo 26:16 \xo*\xt Det 28:22 \xt*\x*gwo twoub, yon maladi epwizan avèk lafyèv ki va gate zye nou, e fè nanm nan chagren. Konsa, nou va simen grenn nou yo san reyisi, paske se lènmi nou yo ki va manje li. \v 17 Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. \x + \xo 26:17 \xo*\xt Sòm 106:41 \xt*\x*Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou. \p \v 18 “Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou \x + \xo 26:18 \xo*\xt Lev 26:21-28 \xt*\x*sèt fwa anplis pou peche nou yo. \v 19 Mwen va anplis, kase awogans pouvwa nou. Mwen va fè syèl la tankou fè, e tè a tankou bwonz. \v 20 Fòs ou va depanse san valè; latè ou p ap pwodwi, ni pyebwa yo p ap donnen fwi. \v 21 ‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo. \p \v 22 “Mwen va lage pami nou bèt sovaj chan yo ki va rache pitit nou yo nan men nou, detwi bèt nou yo e redwi fòs kantite moun nou jis pou wout nou yo rete abandone.\x + \xo 26:22 \xo*\xt II Wa 17:25; Jij 5:6\xt*\x* \p \v 23 \x + \xo 26:23 \xo*\xt Lev 26:21 \xt*\x*“Epi si, nan tout bagay sa yo nou pa vire bò kote M, men aji avèk ostilite kont Mwen, \v 24 alò, Mwen va \x + \xo 26:24 \xo*\xt Lev 26:28-41 \xt*\x*aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo. \v 25 Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye \x + \xo 26:25 \xo*\xt Nonb 14:12 \xt*\x*epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo. \v 26 Lè Mwen kase pen pami nou, dis fanm va kwit pen nou nan yon sèl fou, e yo va mennen retounen pen nou nan pati ki mezire nan balans lan, pou nou \x + \xo 26:26 \xo*\xt Mi 6:14 \xt*\x*manje, men pa pou nou satisfè. \p \v 27 “Men si, malgre tout sa, nou pa obeyi Mwen, men aji avèk ostilite kont Mwen, \v 28 alò, \x + \xo 26:28 \xo*\xt Lev 26:24-41 \xt*\x*Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo. \v 29 Anplis \x + \xo 26:29 \xo*\xt II Wa 6:29 \xt*\x*nou va manje chè a fis nou yo e chè a fi nou yo, n ap manje. \v 30 Mwen \x + \xo 26:30 \xo*\xt Esd 6:3-6 \xt*\x*va detwi wo plas yo, koupe lotèl lansan yo, e fè gwo pil ak retay kò nou sou retay zidòl nou, paske nanm Mwen va rayi nou. \v 31 Anplis, Mwen va \x + \xo 26:31 \xo*\xt Né 2:3 \xt*\x*kraze vil nou yo; Mwen va fè sanktyè nou yo vin dezè, e Mwen p ap dakò santi sant dous nou yo. \v 32 Mwen va fè peyi a dezole jiskaske lènmi nou ki vin viv ladan yo a va chagrin sou sa. \v 33 Men nou, Mwen va gaye nou pami nasyon yo, e Mwen va rale yon nepe parèt dèyè nou, pandan peyi nou an vin dezè e vil nou yo vin kraze. \v 34 \x + \xo 26:34 \xo*\xt Lev 26:43 \xt*\x*Epi tè a va rejwi nan Saba li yo pandan tout jou dezolasyon li yo, pandan nou nan peyi lènmi nou yo. Konsa, tè a va repoze e rejwi nan Saba li yo. \v 35 Tout jou a dezolasyon yo, li va obsève repo ke li pa t obsève nan Saba nou yo pandan nou t ap viv ladann nan. \p \v 36 “Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote \x + \xo 26:36 \xo*\xt És 30:17 \xt*\x*feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe. \v 37 Se konsa yo va manke tonbe youn sou lòt, kòmsi yo t ap kouri kite nepe, malgre pèsòn pa dèyè yo. Nou p ap gen fòs pou kanpe devan lènmi nou yo. \v 38 Men \x + \xo 26:38 \xo*\xt Det 4:26 \xt*\x*nou va peri pami nasyon yo, e peyi lènmi nou yo va manje nou. \v 39 \x + \xo 26:39 \xo*\xt Éz 4:17 \xt*\x*Epi sila ki lese dèyè yo va pouri gate akoz inikite pa yo nan peyi a lènmi pa nou an; epi osi, akoz inikite zansèt pa yo, ak enfidelite ke yo te komèt nan peyi lènmi nou yo; anplis, akoz inikite a papa zansèt pa yo, yo va vin pouri ansanm avèk yo. \p \v 40 \x + \xo 26:40 \xo*\xt Jr 3:12-15 \xt*\x*“Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an— \v 41 Mwen te aji osi avèk ostilite kont yo, pou mennen yo nan peyi lènmi yo—oubyen si kè ensikonsi yo a ta vin imilye pou yo \x + \xo 26:41 \xo*\xt Éz 20:43 \xt*\x* kapab, answit, aksepte pinisyon pou inikite yo a. \v 42 Nan lè sa a, Mwen va sonje \x + \xo 26:42 \xo*\xt Jen 28:13-15 \xt*\x*akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a. \v 43 \x + \xo 26:43 \xo*\xt Lev 26:34 \xt*\x*Paske, peyi a va vin abandone pa yo. Konsa, li va rejwen Saba li yo pandan li rete kon dezè san yo menm nan. Antretan, yo menm va vin aksepte pinisyon pa yo paske yo te rejte òdonans Mwen yo, e nanm yo te rayi règleman Mwen yo. \v 44 Men malgre tout sa, lè yo nan peyi lènmi yo, Mwen p ap rejte yo, ni Mwen p ap meprize yo tèlman pou detwi yo e kase akò Mwen avèk yo; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a. \v 45 Men Mwen va sonje yo pou akò avèk zansèt yo a, ke M te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte devan zye a tout nasyon yo, pou Mwen ta kapab vin Bondye pa yo. Mwen se SENYÈ a.” \p \v 46 \x + \xo 26:46 \xo*\xt Lev 7:38 \xt*\x*Sa yo se règleman avèk òdonans avèk lwa ke SENYÈ a te etabli antre Li menm ak fis Israël yo pa Moïse nan Mòn Sinai a. \c 27 \p \v 1 Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Pale avèk fis Israël yo pou di: \x + \xo 27:2 \xo*\xt Nonb 6:2 \xt*\x*‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a. \v 3 Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre \x + \xo 27:3 \xo*\xt Egz 30:13 \xt*\x*sik ki nan sanktyè a. \v 4 Oubyen, si se yon fanm, alò valè nou va trant sik. \v 5 Si li antre senkan jiska ventan, alò valè nou pou gason an va ven sik, e pou fanm nan dis sik. \v 6 Men si yo antre laj yon mwa jis rive nan senkan, valè nou va \x + \xo 27:6 \xo*\xt Nonb 18:16 \xt*\x*senk sik an ajan pou gason an, e pou fanm nan, valè nou va twa sik an ajan. \v 7 Si yo gen swasantan oswa plis, si se yon gason, alò valè li va kenz sik, e pou fanm lan, dis sik. \v 8 Men si li manke rive nan valè ou, alò li va plase devan prèt ki va bay valè li a. \x + \xo 27:8 \xo*\xt Lev 5:11 \xt*\x*Selon mwayen a sila ki te fè ve a, prèt la va ba li valè. \p \v 9 “‘Alò, si se yon kalite bèt ke yon mesye ta kapab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, nenpòt sa ki bay a SENYÈ a, va sen. \v 10 \x + \xo 27:10 \xo*\xt Lev 27:33 \xt*\x*Li pa pou ranplase li ni chanje li, yon bon pou yon move, ni yon move pou yon bon. Oswa, si li ta chanje bèt pou bèt, se tou de ki vin sen. \v 11 Si li se yon bèt ki pa pwòp nan kalite ke moun pa kab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, alò, li va plase bèt la devan prèt la. \v 12 Prèt la va ba li valè kit li bon, kit li pa bon. Jan nou menm nan, prèt la ba li valè, se konsa li va ye. \v 13 Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li. \p \v 14 “‘Alò, si yon mesye konsakre kay li kòm sen pou SENYÈ a, alò prèt la va ba li valè kòm bon, oswa pa bon. Jan prèt la ba li valè, se konsa li va kanpe. \v 15 Men si sila ki konsakre li a ta vle vin peye ranson li an, alò, li va mete yon senkyèm sou valè pri a pou l kapab vin pou li. \p \v 16 “‘Ankò, si yon mesye konsakre bay SENYÈ a yon pati nan pwòp chan pa li yo, alò, valè ke nou ba li a va selon fòs kantite semans ki nesesè pou simen li an: yon barik semans lòj vo senkant sik ajan. \v 17 Si li konsakre chan li an nan menm ane jibile a, selon valè nou ba li, li va kanpe konsa. \v 18 Si li konsakre chan li an apre jibile a, alò, prèt la va kalkile pri a pou li selon ane ki rete yo jis rive nan ane jibile a; epi li va vin redwi nan valè ke nou bay la. \v 19 Si sila ki konsakre li a ta janmen vle peye ranson chan an, alò li va adisyone yon senkyèm nan valè ke nou bay sou li a, pou li kapab vin pou li. \v 20 Malgre sa, si li pa peye ranson chan an, men te vann chan an a yon lòt moun, li p ap kapab peye ranson an ankò; \v 21 men lè li vin retounen nan jibile a, chan an va vin sen pou SENYÈ a, kòm yon chan ki mete apa. \x + \xo 27:21 \xo*\xt Nonb 18:14 \xt*\x*Li va pou prèt la kòm tè pa li. \p \v 22 “‘Oswa, si li konsakre bay SENYÈ a, yon chan ke li te achte, ki se pa yon pati nan chan pwòp tè pa li a, \v 23 alò, prèt la va kalkile pou li sòm valè chan an jis rive nan ane jibile a; epi li va nan jou sa a bannou valè nou kòm sen pou SENYÈ a. \v 24 Nan ane jibile a, chan an va retounen a sila sou li menm li te achte li a, e ki se pwòp mèt teren an. \v 25 Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la). \p \v 26 \x + \xo 27:26 \xo*\xt Egz 13:22 \xt*\x*“‘Malgre sa, yon premye pòtre pami bèt yo, ki se kòm premye ne, se pou SENYÈ a, pèsòn pa pou konsakre li; kit se yon bèf, kit se yon mouton, se pou SENYÈ a. \v 27 Men si li pami bèt ki pa pwòp yo, alò li va rachte li selon valè ke nou ba li e mete yon senkyèm anplis; epi si li pa rachte li, alò li va vann li selon valè ke nou ba li a. \p \v 28 “‘Sepandan, \x + \xo 27:28 \xo*\xt Nonb 18:14 \xt*\x*nenpòt bagay ke yon nonm mete apa pou SENYÈ a nan tout sa ke li genyen, kit se moun, bèt, oswa chan nan pwòp tè li, li p ap janm vann ni peye ranson. Nenpòt bagay ki dedye pou destriksyon, pi sen pou SENYÈ a. \v 29 Okenn moun ki vin mete apa pami lèzòm p ap janm peye ranson. Li va asireman vin mete a lanmò. \p \v 30 “‘Konsa \x + \xo 27:30 \xo*\xt Jen 28:22 \xt*\x*tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a. \v 31 Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li. \v 32 Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a. \v 33 \x + \xo 27:33 \xo*\xt Lev 27:10 \xt*\x*Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li. Alò, li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’” \p \v 34 \x + \xo 27:34 \xo*\xt Lev 26:46 \xt*\x*Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.