\id JOS JOS \ide UTF-8 \h Josué \toc1 JOSUÉ \toc2 Josué \toc3 Jos \mt1 JOSUÉ \c 1 \p \v 1 Alò, li te vin rive ke apre lanmò Moïse, sèvitè SENYÈ a, ke SENYÈ a te pale avèk Josué, fis a Nun nan, sèvitè Moïse la. Li te di: \v 2 “Moïse, \x + \xo 1:2 \xo*\xt Nonb 12:7\xt*\x*sèvitè Mwen an, gen tan mouri. Pou sa, leve, travèse Jourdain sila a, ou menm avèk tout pèp sa a, nan peyi ke Mwen ap bay a yo menm, a fis Israël yo. \p \v 3 \x + \xo 1:3 \xo*\xt Det 11:24\xt*\x*“Chak kote ke pla pye ou va pile, Mwen ap ba ou li, jis jan ke Mwen te pale a Moïse la. \v 4 \x + \xo 1:4 \xo*\xt Jen 15:8\xt*\x*Soti nan dezè a ak Liban sila a, menm jis rive nan gran rivyè a, Rivyè Lefrat la, tout peyi Etyen an, jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche a va teritwa pa nou. \v 5 \x + \xo 1:5 \xo*\xt Det 7:24\xt*\x*Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. \v 6 \x + \xo 1:6 \xo*\xt Det 31:6-23\xt*\x*Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a. \p \v 7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; \x + \xo 1:7 \xo*\xt Det 5:32\xt*\x*fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale. \p \v 8 \x + \xo 1:8 \xo*\xt Det 31:24\xt*\x*“Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi. \p \v 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! \x + \xo 1:9 \xo*\xt Det 31:8\xt*\x*Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.” \p \v 10 Konsa, Josué te kòmande ofisye pèp yo. Li te di: \v 11 “Pase nan mitan kan an e kòmande pèp la pou di yo: ‘Prepare pwovizyon nou. Paske nan \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jos 3:2\xt*\x*twa jou, nou va travèse Jourdain sila a, pou antre pran peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou posede a.’” \p \v 12 \x + \xo 1:12 \xo*\xt Nonb 32:20-22\xt*\x*A Ribenit yo avèk Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a, Josué te di: \v 13 “Sonje pawòl ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou, lè l te di: \x + \xo 1:13 \xo*\xt Det 3:18-20\xt*\x*‘SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou repo, e Li va bannou peyi sa a. \p \v 14 “‘Madanm nou yo, pitit nou yo ak bèt nou yo va rete nan peyi ke Moïse te bannou lòtbò Jourdain an; men nou va travèse devan frè nou yo, prepare an lòd batay la, tout sòlda vanyan nou yo e ou va bay yo soutyen, \v 15 jiskaske SENYÈ a bay frè nou yo repo, tankou nou, epi yo menm tou, yo posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bay yo a. \x + \xo 1:15 \xo*\xt Jos 22:4\xt*\x*Epi nan lè sa a, nou va retounen nan pwòp teren pa nou an, e posede sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bannou lòtbò Jourdain an, vè solèy leve a.’” \p \v 16 Yo te reponn Josué e te di: “Tout sa ke ou te kòmande nou, nou va fè l, epi nenpòt kote ke ou voye nou, nou va ale. \v 17 Jis jan ke nou te obeyi Moïse nan tout bagay la, konsa nou va obeyi ou. Sèlman \x + \xo 1:17 \xo*\xt Jos 1:5-9\xt*\x*ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk ou tankou Li te avèk Moïse la. \v 18 Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.” \c 2 \p \v 1 Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti \x + \xo 2:1 \xo*\xt Nonb 25:1\xt*\x*Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a \x + \xo 2:1 \xo*\xt Eb 11:31\xt*\x*yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la. \p \v 2 Sa te pale a wa Jéricho a. Yo te di: “Gade byen, de mesye ki sòti nan fis Israël yo te vini isit la lannwit lan pou fè espyon nan peyi a.” \v 3 Epi wa Jéricho a te voye vè Rahab e te di: “Mete deyò mesye ki te vin kote ou yo, paske yo te vin fè espyon nan peyi a.” \p \v 4 Men \x + \xo 2:4 \xo*\xt II Sam 17:19\xt*\x*fanm nan ki te deja pran mesye yo pou kache yo, te di: “Wi, mesye sa yo te vini kote mwen, men mwen pa t konnen kote yo te sòti. \v 5 Li te vin rive nan lè pou fèmen pòtay yo lè l te fènwa, ke mesye yo sòti deyò. Men mwen pa konnen kote mesye yo te ale. Kouri dèyè yo byen vit! Konsa, ou ka gen tan pran yo.” \p \v 6 Men \x + \xo 2:6 \xo*\xt Jc 2:25\xt*\x*li te vrèman mennen yo anwo galri twati kay la, pou l te kache yo nan pakèt len ke li te mete an lòd sou twati kay la. \p \v 7 Konsa, mesye yo te kouri dèyè yo sou wout la pou rive nan lye pou travèse Jourdain an. Depi sila ki t ap pouswiv yo te pati, yo te fèmen pòtay la. \p \v 8 Alò, avan yo te kouche, fi a te vin kote yo sou twati a. \v 9 Epi li te di mesye yo: \x + \xo 2:9 \xo*\xt Nonb 20:24\xt*\x*“Mwen konnen ke SENYÈ a te bannou peyi a, e ke gwo laperèz nou gen tan tonbe sou nou. Tout kouraj abitan peyi a vin fonn e disparèt devan nou. \v 10 \x + \xo 2:10 \xo*\xt Egz 14:21\xt*\x*Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt. \v 11 Lè nou vin tande sa, \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jos 5:1\xt*\x*kè nou te fonn. Pa t gen kouraj ki te rete nan okenn moun ankò akoz nou menm, paske \x + \xo 2:11 \xo*\xt Det 4:39\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a. \p \v 12 “Alò, pou sa, souple, sèmante a mwen pa SENYÈ a, paske mwen te aji avèk bon kè anvè nou; ke nou, osi, nou va aji avèk bon kè anvè lakay papa m. Fè mwen yon \x + \xo 2:12 \xo*\xt Jos 2:18-19\xt*\x*sèman fidèl, \v 13 pou konsève lavi papa m avèk manman m, frè m avèk sè m yo avèk tout moun ki pou yo, e livre lavi nou sòti nan lanmò.” \p \v 14 Konsa, mesye yo te di l: “Vi pa nou pou vi pa w si ou pa pale zafè nou; epi li va rive ke lè SENYÈ a bannou peyi a, ke nou va \x + \xo 2:14 \xo*\xt Jen 24:49\xt*\x*aji avèk bon kè, e fidèlman avèk ou.” \p \v 15 Konsa, li te fè yo desann nan fenèt la pa yon kòd; paske lakay li a se te sou miray lavil la, kòmsi li t ap viv sou miray la. \v 16 Li te di yo: \x + \xo 2:16 \xo*\xt Jc 2:25\xt*\x*“Ale nan peyi kolin yo, pou sila k ap kouri dèyè nou yo pa twouve nou. Kache kò nou la pandan twa jou jiskaske sila k ap kouri dèyè nou yo retounen. Epi apre, nou kapab fè wout nou.” \p \v 17 Mesye yo te di li: \x + \xo 2:17 \xo*\xt Jen 24:8\xt*\x*“Nou p ap responsab sèman ke ou te fè nou fè a, \v 18 amwenske lè nou antre nan peyi a, ou mare kòd fisèl wouj sa a nan fenèt kote ou te fè nou desann nan. Epi \x + \xo 2:18 \xo*\xt Jos 2:12\xt*\x*rasanble ou menm nan kay la avèk papa ou ak manman ou, frè ou yo ak tout manm lakay papa ou yo. \v 19 Li va rive ke nenpòt moun ki ale deyò pòt lakay ou pou antre nan lari a, san li va sou pwòp tèt li e nou va lib de sèman an. Men nenpòt moun ki avèk ou nan kay la, \x + \xo 2:19 \xo*\xt Mat 27:25\xt*\x*san pa li va sou tèt nou si yon moun men mete sou li. \v 20 Men si ou pale zafè sa a; alò, nou va vin lib de sèman ke ou te fè nou fè a.” \p \v 21 Li te di: “Selon pawòl nou, ke sa vin fèt konsa.” Epi li te voye yo ale. Yo te pati, epi li te mare kòd wouj la nan fenèt la. \p \v 22 Yo te pati pou te rive nan peyi kolin yo, e te rete la pandan twa jou jiskaske sila ki t ap pouswiv yo te retounen. Alò, moun ki t ap swiv yo te chache toupatou akote chemen an, men yo pa t twouve yo. \p \v 23 Konsa, de mesye sa yo te desann peyi kolin yo pou te travèse rive kote Josué, fis a Nun nan. Yo te pale li tout sa ki te rive yo. \v 24 Yo te di Josué: “Anverite, SENYÈ a te bannou tout peyi a nan men nou. \x + \xo 2:24 \xo*\xt Jos 2:9\xt*\x*Anplis, kè tout abitan peyi a tap fonn e disparèt devan nou.” \c 3 \p \v 1 Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite \x + \xo 3:1 \xo*\xt Jos 2:1\xt*\x*Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse. \p \v 2 \x + \xo 3:2 \xo*\xt Jos 1:11\xt*\x*Nan fen twa jou, ofisye yo te pase nan mitan kan an. \v 3 Yo te kòmande pèp la e te di: “Lè nou wè \x + \xo 3:3 \xo*\xt Det 31:9\xt*\x*lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, avèk prèt Levit yo k ap pote li, alò, nou va sòti nan plas nou pou swiv li. \v 4 Sepandan, va gen antre nou ak li yon distans anviwon de mil koude (3,000 pye) pa mezi. Pa vin pi prè li, pou nou kapab konnen chemen ke nap pran, paske nou pa t janm fè wout sa a avan.” \p \v 5 Konsa, Josué te di a pèp la: \x + \xo 3:5 \xo*\xt Egz 19:10-11\xt*\x*“Konsakre tèt nou; paske demen SENYÈ a va fè mèvèy yo nan mitan nou.” \p \v 6 Josué te pale avèk prèt yo e te di: “Vin leve lach akò a pou travèse lòtbò a avan pèp la.” \p \v 7 Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse \x + \xo 3:7 \xo*\xt Jos 4:14\xt*\x*egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. \v 8 Anplis, ou va kòmande prèt k ap pote lach akò a e di yo: ‘Lè nou rive arebò dlo yo nan Jourdain an, nou va rete kanpe nan dlo Jourdain an.’” \p \v 9 Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Vin la pou koute pawòl a SENYÈ a, Bondye nou an.” \v 10 Josué te di: “Pa sa nou va konnen ke Bondye vivan an pami nou e ke Li va, anverite, \x + \xo 3:10 \xo*\xt Egz 33:2\xt*\x*deplase soti devan nou Kananeyen an, Etyen an, Evyen an, Ferezyen an, Gigazyen an, Amoreyen an ak Jebizyen an. \v 11 Gade byen, lach akò \x + \xo 3:11 \xo*\xt Job 41:11\xt*\x*SENYÈ a tout latè a ap travèse devan nou antre nan Jourdain an. \p \v 12 “Alò, pou sa, \x + \xo 3:12 \xo*\xt Jos 4:2\xt*\x*pran pou nou menm douz mesye soti nan tribi Israël la, yon nonm pou chak tribi. \v 13 Li va rive ke lè pla pye a prèt ki pote lach SENYÈ a, SENYÈ tout latè a, poze nan dlo a Jourdain an, dlo Jourdain an va koupe, e dlo k ap kouri desann soti anwo yo va \x + \xo 3:13 \xo*\xt Egz 15:8\xt*\x*rete fè yon pil.” \p \v 14 Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote \x + \xo 3:14 \xo*\xt Sòm 132:8\xt*\x*lach akò a devan pèp la, \v 15 epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske \x + \xo 3:15 \xo*\xt I Kwo 12:15\xt*\x*Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la), \v 16 dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè \x + \xo 3:16 \xo*\xt Jos 3:13\xt*\x*yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè \x + \xo 3:16 \xo*\xt Det 1:1\xt*\x*Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho. \p \v 17 Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm \x + \xo 3:17 \xo*\xt Egz 14:21-29\xt*\x*sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an. \c 4 \p \v 1 Alò, lè tout nasyon an te fin travèse \x + \xo 4:1 \xo*\xt Det 27:2\xt*\x*Jourdain an, SENYÈ a te pale avèk Josué. Li te di: \v 2 “Pran pou nou menm \x + \xo 4:2 \xo*\xt Jos 3:12\xt*\x*douz mesye pami pèp la, yon mesye ki soti nan chak tribi. \v 3 Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan \x + \xo 4:3 \xo*\xt Jos 4:20\xt*\x*plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’” \v 4 Konsa, Josué te rele douz mesye ke li te chwazi soti nan fis Israël yo, yon mesye nan chak tribi, \v 5 epi Josué te di yo: “Travèse ankò vè lach SENYÈ a, Bondye nou an, pou rive nan mitan Jourdain an e nou chak pran yon wòch sou zepòl li, selon nonb a tribi a fis Israël yo. \v 6 Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou \x + \xo 4:6 \xo*\xt Egz 12:26\xt*\x*lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’? \v 7 Alò nou va di yo: ‘Akoz \x + \xo 4:7 \xo*\xt Jos 3:13\xt*\x*dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’” \v 8 Konsa, fis Israël yo te fè jan Josué te kòmande yo a. Yo te leve pran douz wòch yo nan mitan Jourdain an, jan SENYÈ a te pale a Josué a, selon nonb a tribi a fis Israël yo, epi yo te pote yo janbe avèk yo pou rive nan \x + \xo 4:8 \xo*\xt Jos 4:20\xt*\x*plas lojman an e te poze yo la. \v 9 Epi Josué te poze douz \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jen 28:18\xt*\x*wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a. \v 10 Paske prèt yo ki te pote lach la te kanpe nan mitan Jourdain an jiskaske tout bagay ke SENYÈ a te kòmande Josué pou pale a pèp la te fini, selon tout sa ke Moïse te kòmande Josué yo. Konsa, pèp la te fè vit travèse. \v 11 Lè tout pèp la te fin travèse, lach SENYÈ a avèk prèt yo te travèse nan prezans a pèp la. \v 12 \x + \xo 4:12 \xo*\xt Nonb 32:17\xt*\x*Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a. \v 13 Anviwon karant mil mesye, prèt pou batay, te travèse devan SENYÈ a vè plèn dezè a Jéricho a. \v 14 \x + \xo 4:14 \xo*\xt Jos 3:7\xt*\x*Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo. \v 15 Alò SENYÈ a te di a Josué: \v 16 “Kòmande prèt ki pote \x + \xo 4:16 \xo*\xt Egz 25:16\xt*\x*lach akò a pou monte kite Jourdain an.” \v 17 Konsa, Josué te kòmande prèt yo. Li te di: “Monte soti nan Jourdain an.” \v 18 Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an. \v 19 Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan \x + \xo 4:19 \xo*\xt Det 1:3\xt*\x*dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho. \v 20 Douz wòch sa yo ke yo te pran nan Jourdain an, Josué te monte nan \x + \xo 4:20 \xo*\xt Jos 4:3-8\xt*\x*Guilgal. \v 21 Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’ \v 22 Alò, nou va eksplike pitit nou yo pou di: \x + \xo 4:22 \xo*\xt Jos 3:17\xt*\x* ‘Israël te travèse Jourdain sila a sou tè sèk’. \v 23 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, \x + \xo 4:23 \xo*\xt Egz 14:21\xt*\x*ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a, \v 24 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke \x + \xo 4:24 \xo*\xt I Wa 8:42; Egz 15:16\xt*\x*men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.” \c 5 \p \v 1 Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa \x + \xo 5:1 \xo*\xt Nonb 13:29\xt*\x*Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo. \p \v 2 Nan tan sa a, SENYÈ a te di a Josué: “Fè pou ou menm \x + \xo 5:2 \xo*\xt Egz 4:25\xt*\x*kouto avèk silèks e sikonsi ankò fis Israël yo pou dezyèm fwa a.” \v 3 Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth. \p \v 4 Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: \x + \xo 5:4 \xo*\xt Det 2:14\xt*\x*tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte. \v 5 Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi. \p \v 6 Paske fis Israël yo te mache \x + \xo 5:6 \xo*\xt Det 2:7-14\xt*\x*karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. \p \v 7 Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo. Paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la. \v 8 Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri. \p \v 9 Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti \x + \xo 5:9 \xo*\xt So 2:8\xt*\x*wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal. \p \v 10 Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a. \p \v 11 Nan jou apre Pak la, nan menm jou sa a, yo te manje kèk nan pwodwi tè yo, gato san ledven ak sereyal griye. \v 12 \x + \xo 5:12 \xo*\xt Egz 16:35\xt*\x*Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo. Konsa, fis Israël yo pa t gen lamàn ankò, men yo te manje nan donn tè Canaran an pandan ane sa a. \p \v 13 Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, \x + \xo 5:13 \xo*\xt Jen 18:1-2\xt*\x*yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l. Josué te pwoche l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?” \p \v 14 Li te reponn: “Non; olye de sa, anverite mwen vini koulye a kòm kapitèn a lame SENYÈ a.” Konsa, Josué te \x + \xo 5:14 \xo*\xt Jen 17:3\xt*\x*tonbe atè sou figi li. Li te adore l e te di li: “Kisa mèt mwen an gen pou di a sèvitè li?” \p \v 15 Kapitèn a lame SENYÈ a te di a Josué: \x + \xo 5:15 \xo*\xt Egz 3:5\xt*\x*“Retire sapat ou nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a sen.” Epi Josué te fè l. \c 6 \p \v 1 Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre. \p \v 2 SENYÈ a te di a Josué: “Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk \x + \xo 6:2 \xo*\xt Det 7:24\xt*\x*wa li ak gèrye vanyan li yo. \v 3 Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou. \v 4 Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la. \p “Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va \x + \xo 6:4 \xo*\xt Lev 25:9\xt*\x*soufle twonpèt yo. \v 5 Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat.” \p \v 6 Konsa, Josué, fis la a Nun nan, te rele prèt yo. Li te di yo: “Pran lach akò a, e kite sèt prèt yo pote sèt twonpèt yo fèt avèk kòn belye yo devan lach SENYÈ a.” \v 7 Yo te di a pèp la: “Ale devan, mache antoure vil la e kite mesye ak zam yo ale devan lach SENYÈ a.” \p \v 8 Li te vin rive ke lè Josué te pale avèk pèp la, sèt prèt ki t ap pote sèt twonpèt a kòn belye yo devan SENYÈ a te avanse, e te soufle twonpèt yo, epi lach akò SENYÈ a te swiv yo. \v 9 Mesye avèk zam yo te ale devan prèt ki tap soufle twonpèt yo, epi \x + \xo 6:9 \xo*\xt Jos 6:13\xt*\x*gad aryè a te swiv lach la, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo. \p \v 10 Men Josué te kòmande pèp la e te di: “Nou pa pou rele, ni kite yo tande vwa nou menm. Ni pa kite yon mo sòti nan bouch nou, jis rive jou ke m di nou: ‘Rele fò!’ Alò, nan moman sa a, nou va rele fò!” \p \v 11 Konsa, li te fè lach SENYÈ a antoure vil la ansèkle l yon fwa. Konsa, yo te rantre nan kan an, e yo te pase nwit lan la nan kan an. \p \v 12 Alò, Josué te leve granmmaten, e prèt yo te leve pran lach SENYÈ a. \v 13 \x + \xo 6:13 \xo*\xt Jos 6:4-9\xt*\x*Sèt prèt ki te pote sèt twonpèt kòn belye yo devan lach SENYÈ a, te kontinye san rete e te soufle twonpèt yo. Mesye avèk zam yo te ale devan yo, e gad an aryè yo te swiv lach SENYÈ a, pandan yo te kontinye ap soufle twonpèt yo. \v 14 Konsa, nan dezyèm jou a, yo te mache antoure vil la yon fwa e te retounen nan kan an. Yo te fè konsa pandan si jou. \p \v 15 Alò, nan setyèm jou a, yo te leve bonè avan jou, e te mache antoure vil la menm jan an sèt fwa. Sèl nan jou sa a, yo te mache antoure vil la sèt fwa. \v 16 Nan setyèm fwa a, lè prèt yo te soufle twonpèt yo, Josué te di a pèp la: “Rele fò!” Paske SENYÈ a gen tan bannou vil la. \p \v 17 “Vil la \x + \xo 6:17 \xo*\xt Lev 27:28\xt*\x*va vin dedye anba ve, li menm avèk tout sa ki ladann se pou SENYÈ a. Sèl Rahab, pwostitiye a ak tout moun ki avè l nan kay la va viv, akoz li te kache mesaje ke nou te voye yo. \p \v 18 “Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e \x + \xo 6:18 \xo*\xt Jos 7:1\xt*\x*pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li. \v 19 \x + \xo 6:19 \xo*\xt Nonb 31:11-23\xt*\x*Men tout ajan avèk lò, zafè an bwonz ak fè, sen a SENYÈ a. Yo va antre nan trezò SENYÈ a.” \p \v 20 Alò, pèp la te rele fò, prèt yo te soufle twonpèt yo. Lè pèp la te tande son twonpèt la, yo te rele fò avèk yon gwo kri, epi \x + \xo 6:20 \xo*\xt Eb 11:30\xt*\x*miray la te tonbe plat. Epi konsa, pèp la te antre nan vil la, tout mesye toudwat pou yo te pran vil la. \v 21 \x + \xo 6:21 \xo*\xt Det 20:16\xt*\x*Yo te detwi tout bagay nan vil la nèt; ni gason, ni fanm, jèn kon granmoun, ni bèf, ni mouton, ni bourik, pa lam nepe. \p \v 22 Josué te di a de mesye ki te fè espyonaj peyi yo: \x + \xo 6:22 \xo*\xt Jos 2:12-19\xt*\x*“Antre lakay pwostitiye a e mete fanm nan avèk tout sa li genyen deyò, jan nou te pwomèt li a.” \v 23 Konsa, jennonm ki te espyon yo te antre. Yo te \x + \xo 6:23 \xo*\xt Eb 11:31\xt*\x*mennen Rahab deyò avèk papa l ak manman l, frè li yo avèk tout sa li te genyen. Anplis, yo te mete deyò tout fanmi li yo e te plase yo deyò kan Israël la. \p \v 24 \x + \xo 6:24 \xo*\xt Det 20:16-18\xt*\x*Yo te brile vil la avèk dife ak tout sa ki ladann. Sèlman ajan avèk lò avèk tout bagay ki te fèt an bwonz ak fè, yo te mete yo nan trezò kay SENYÈ a. \p \v 25 Sepandan, Rahab, pwostitiye a, avèk tout kay papa l ak tout sa li te genyen, Josué te konsève yo. Epi li te viv nan mitan Israël jis rive jodi a, paske \x + \xo 6:25 \xo*\xt Jos 2:6\xt*\x*li te kache mesaje ke Josué te voye pou fè espyonaj Jéricho yo. \p \v 26 Konsa, Josué te pase lòd sèman an nan lè sa a. Li te di: \x + \xo 6:26 \xo*\xt I Wa 15:34\xt*\x*“Modi devan SENYÈ a se sila ki leve pou rebati vil sa a, Jéricho. Avèk pèt premye ne li yo, li va poze fondasyon li; avèk pèt denyè ne li yo, li va monte pòtay li yo.” \p \v 27 SENYÈ a te avèk Josué e li te vin \x + \xo 6:27 \xo*\xt Jos 9:1-3\xt*\x*byen rekonèt nan tout peyi a. \c 7 \p \v 1 \x + \xo 7:1 \xo*\xt Jos 6:17-19\xt*\x*Men fis Israël yo te aji avèk movèz fwa nan bagay ki te dedye anba ve yo; paske Acan, fis a Carmi a, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a, te pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Pou sa, chalè SENYÈ a te brile kont fis Israël yo. \p \v 2 Alò, Josué te voye mesye sòti Jéricho yo vè Aï, ki toupre \x + \xo 7:2 \xo*\xt Jos 18:12\xt*\x*Beth-Aven an, nan lès a Bethel la. Li te di yo: “Ale monte e fè espyonaj peyi a.” Konsa, mesye yo te monte pou te fè espyonaj Aï. \p \v 3 Yo te retounen a Josué e te di li: “Pa kite tout pèp la monte; sèlman de oswa twa mil mesye bezwen monte Aï. Pa fè tout pèp la fòse fè efò a, paske yo pa anpil.” \v 4 Konsa, anviwon twa mil mesye ki sòti nan pèp la te monte; men \x + \xo 7:4 \xo*\xt Lev 26:17\xt*\x*yo te sove ale devan mesye Aï yo. \v 5 Mesye Aï yo te frape yo, mete ba anviwon trann-sis nan mesye yo. Yo te kouri dèyè yo soti nan pòtay la jis rive Schebarim pou te frape yo, mete yo ba pandan yo t ap desann, jiskaske \x + \xo 7:5 \xo*\xt Lev 26:36\xt*\x*kè pèp la te fonn e te vin tankou dlo. \p \v 6 Josué te \x + \xo 7:6 \xo*\xt Job 2:12\xt*\x*chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo. \v 7 Josué te di: “Ay, O SENYÈ Bondye, poukisa Ou te janmen mennen pèp sila a travèse Jourdain an pou livre yo nan men a Amoreyen yo, pou detwi nou? Si sèlman, nou ta dakò rete lòtbò Jourdain an! \v 8 O SENYÈ, kisa mwen kapab di lòske Israël te vire do yo devan lènmi yo? \v 9 \x + \xo 7:9 \xo*\xt Egz 32:12\xt*\x*Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?” \p \v 10 Konsa, SENYÈ a te di a Josué: “Leve ou menm! Poukisa ou te tonbe sou figi ou? \v 11 Israël te peche. Yo \x + \xo 7:11 \xo*\xt Jos 6:18-19\xt*\x* te anplis, fè transgresyon akò ke Mwen te kòmande yo a. Wi, yo te menm pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Yo te vòlè ak twonpe. Anplis, yo te mete yo pami pwòp afè pa yo. \v 12 Pou sa, \x + \xo 7:12 \xo*\xt Nonb 14:39-45\xt*\x*fis Israël yo pa kapab kanpe devan lènmi yo. Yo vire do yo devan lènmi yo, paske yo te vin modi. Mwen p ap avèk nou ankò amwenske nou detwi bagay ki anba ve soti nan mitan nou yo. \p \v 13 “Leve ou menm! Konsakre pèp la e di: ‘Konsakre nou menm pou demen. Paske konsa, SENYÈ a, Bondye Israël la te di: \x + \xo 7:13 \xo*\xt Jos 6:18\xt*\x*“Gen bagay ki anba ve a nan mitan nou, O Israël. Ou pa kapab kanpe devan lènmi ou yo jiskaske ou retire bagay ki anba ve yo soti nan mitan ou.”’” \p \v 14 “Nan maten, alò, ou va vin toupre tribi ou yo. Epi li va fèt ke tribi ke \x + \xo 7:14 \xo*\xt Pwov 16:33\xt*\x*SENYÈ a pran pa tiraj osò a va apwoche pa fanmi. Epi fanmi ke SENYÈ a pran an va apwoche pa kay yo. Epi kay ke SENYÈ a pran an va pwoche moun pa moun. \v 15 \x + \xo 7:15 \xo*\xt I Sam 14:38\xt*\x*Li va fèt ke sila ki pran bagay ki anba ve a va brile avèk dife, li menm avèk tout sa ki pou li, akoz li te transgrese akò SENYÈ a, e akoz li te fè yon gwo wont an Israël.” \p \v 16 Konsa, Josué te leve bonè nan maten e te fè Israël pwoche pa tribi. Tribi Juda a te pran. \v 17 Li te fè fanmi Juda pwoche; li te pran fanmi Zérarit yo. Li te fè fanmi Zérarit la pwoche moun pa moun e Zabdi te pran. \v 18 Li te fè fanmi lakay li pwoche, moun pa moun, epi \x + \xo 7:18 \xo*\xt Nonb 32:23\xt*\x*Acan, fis a Carmi, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a te pran. \p \v 19 Epi Josué te di Acan: “Fis mwen, souple, \x + \xo 7:19 \xo*\xt I Sam 6:5\xt*\x*bay glwa a SENYÈ a, Bondye a Israël la, epi konfese a Li menm. Di mwen koulye a sa ou te fè a. Pa kache li de mwen.” \p \v 20 Konsa, Acan te reponn Josué e te di: “Anverite, mwen te peche kont SENYÈ a, Bondye a tout Israël la; men sa mwen te fè a: \v 21 Lè mwen te wè nan piyaj la yon bèl manto ki sòti Schinear ak de san sik ajan, yon ba lò a pèz senkant sik, alò, \x + \xo 7:21 \xo*\xt Ef 5:5\xt*\x*mwen te anvi yo e te pran yo. Epi gade byen, yo kache nan tè anndan tant mwen an avèk ajan an anba li.” \p \v 22 Konsa, Josué te voye mesaje yo. Yo te kouri vè tant lan, epi veye byen, li te kache nan tant li an avèk ajan an anba li. \v 23 Yo te pran yo soti anndan tant lan, epi yo te pote yo vè Josué avèk tout fis Israël yo pou yo te vide yo devan SENYÈ a. \p \v 24 Epi Josué ak tout Israël avèk li te pran Acan, fis a Zérach la, ajan an, manto a, ba lò a, fis li yo, fi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton li yo, tant li ak tout sa ki te pou li; epi yo te mennen yo monte nan \x + \xo 7:24 \xo*\xt Jos 15:7\xt*\x*vale Acor a. \p \v 25 Josué te di: “Poukisa ou te \x + \xo 7:25 \xo*\xt Jos 6:18\xt*\x*twouble nou? Jodi a, SENYÈ a va twouble ou.” \p Konsa, tout Israël te lapide yo avèk kout wòch. Epi yo te brile yo avèk dife lè yo te fin lapide yo avèk kout wòch. \v 26 Yo te fè leve sou li yon gwo pil wòch ki kanpe jis rive jodi a. Epi SENYÈ a te vire kite gwo chalè kòlè Li a. Pou sa, non a plas sa a te vin rele \x + \xo 7:26 \xo*\xt És 65:10\xt*\x*Vale Acan jis rive jodi a. \c 8 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè, ni dekouraje. Pran tout moun lagè yo avèk ou e leve, monte vè Aï. Ou wè, \x + \xo 8:1 \xo*\xt Jos 6:2\xt*\x*Mwen te mete nan men ou wa Aï a, pèp li a, vil li a ak peyi li a. \v 2 Ou va fè a Aï ak tout wa li a menm jan ke ou te fè Jéricho avèk wa li a. Selman, ou va \x + \xo 8:2 \xo*\xt Det 20:14\xt*\x*pran pou ou menm kòm piyaj, bèt li yo kòm byen nou sezi pou nou menm. Òganize yon anbiskad pou vil la pa dèyè li.” \p \v 3 Epi Josué te leve avèk tout moun lagè yo pou monte Aï. Josué te chwazi trant mil mesye, gèrye vanyan, e li te voye yo sòti nan lannwit lan. \v 4 Li te kòmande yo, e te di: “Gade, nou \x + \xo 8:4 \xo*\xt Jij 20:29\xt*\x*ap fè anbiskad vil la soti pa dèyè li. Pa sòti lwen vil la men nou tout, mete nou touprè. \p \v 5 “Mwen menm avèk tout moun ki avè m yo, nou va apwoche vil la. Epi lè yo sòti deyò pou rankontre nou kòm yon premye fwa, \x + \xo 8:5 \xo*\xt Jij 20:32\xt*\x*nou va sove ale devan yo. \v 6 Yo va sòti pou kouri dèyè nou jiskaske nou pati kite vil la, paske yo va di: ‘Y ap sove ale devan nou tankou premye fwa a.’ Konsa, nou va sove ale devan yo. \v 7 Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou. \v 8 Alò, li va rive lè nou fin sezi vil la, ke nou va mete dife nan vil la. Nou va fè li \x + \xo 8:8 \xo*\xt Det 20:16-18\xt*\x*selon pawòl SENYÈ a. Nou wè, mwen te kòmande nou an.” \p \v 9 Konsa, Josué te voye yo ale. Yo te ale nan plas anbiskad la, e yo te rete antre Béthel avèk Aï, nan lwès a Aï; men Josué te pase nwit lan pami moun yo. \p \v 10 Alò, Josué te \x + \xo 8:10 \xo*\xt Jen 22:3\xt*\x*leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï. \v 11 Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï. \v 12 Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre \x + \xo 8:12 \xo*\xt Jen 12:8\xt*\x*Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la. \v 13 Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a. \p \v 14 Li te vin rive ke lè wa Aï la te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la. \v 15 Josué avèk tout Israël te fè pòz kòmsi yo te fin bat devan yo e yo te sove ale \x + \xo 8:15 \xo*\xt Jos 15:61\xt*\x*pa chemen dezè a. \v 16 Tout pèp ki te nan vil la te rele ansanm pou kouri dèyè yo. Konsa, yo te kouri dèyè Josué e \x + \xo 8:16 \xo*\xt Jij 20:31\xt*\x* li te rale yo soti kite vil la. \v 17 Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël. \p \v 18 Epi SENYÈ a te di a Josué: \x + \xo 8:18 \xo*\xt Egz 14:15\xt*\x*“Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.” \p Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la. \v 19 Mesye nan anbiskad yo te leve vit nan plas yo, epi lè li te lonje men l, yo te kouri antre nan vil la pou te kaptire li. Byen vit, yo mete dife nan vil la. \p \v 20 Lè mesye Aï yo te gade an aryè, vwala, lafimen vil la te vin leve rive jis nan syèl la. Konsa, yo pa t gen kote pou sove ale, ni isit, ni la, paske moun ki t ap sove ale vè dezè yo te vire kont sila ki t ap swiv yo. \p \v 21 Lè Josué avèk tout Israël te wè ke fòs anbiskad la te kaptire vil la, e ke lafimen te monte, yo te vire retounen pou touye mesye Aï yo. \v 22 Lòt yo nan vil la te sòti pou rankontre yo. Men yo te kwense nan mitan Israël, yon pati bò isit ak yon pati bò laba, epi yo te touye yo \x + \xo 8:22 \xo*\xt Jos 8:8\xt*\x*jis pèsòn pa t rete nan sila ki te chape sove ale yo. \v 23 Yo te pran wa Aï a vivan e yo te mennen li kote Josué. \p \v 24 Alò, lè Israël te fin touye tout abitan Aï yo nan chan dezè a kote yo te kouri dèyè yo, e yo tout te tonbe pa lam nepe jiskaske yo te detwi nèt, alò, tout Israël te retounen Aï pou te frape li avèk lam nepe. \v 25 \x + \xo 8:25 \xo*\xt Det 20:16-18\xt*\x*Tout moun ki te tonbe nan jou sa a, ni lòm ni fanm te douz mil—tout se moun Aï. \v 26 Paske Josué \x + \xo 8:26 \xo*\xt Egz 17:11-12\xt*\x*pa t desann men l ki te toujou lonje ak lans lan jiskaske li te fin detwi nèt tout moun ki rete Aï yo. \v 27 \x + \xo 8:27 \xo*\xt Jos 8:2\xt*\x*Israël te pran sèlman bèt avèk byen sezi a kòm piyaj pa yo, selon pawòl ke SENYÈ a te kòmande Josué a. \p \v 28 Konsa, Josué te brile Aï. Li te fè li tounen yon \x + \xo 8:28 \xo*\xt Det 21:22-23\xt*\x*pil ranblè jis pou tout tan, yon kote ki dezole jis rive jodi a. \v 29 \x + \xo 8:29 \xo*\xt Det 21:22-23\xt*\x*Li te pann wa Aï a sou yon bwa jis rive nan aswè. Lè solèy la te kouche , Josué te bay lòd pou yo te retire kò li nan bwa a pou te jete li nan antre pòtay vil la, e leve sou li yon gwo pil gwo wòch ki kanpe jis jodi a. \p \v 30 Konsa, Josué te bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye a Israël la, nan \x + \xo 8:30 \xo*\xt Det 27:2-8\xt*\x*Mòn Ébal. \v 31 Li te fèt jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande fis Israël yo, jan sa ekri nan liv lalwa Moïse la, \x + \xo 8:31 \xo*\xt Egz 20:25\xt*\x*yon lotèl avèk wòch ki pa taye, sou sila okenn mesye pa voye yon zouti fè. Yo te ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, e te fè sakrifis ofrann lapè yo. \v 32 Josué te ekri la sou wòch yo \x + \xo 8:32 \xo*\xt Det 27:2-8\xt*\x*yon kopi lalwa Moïse la. Li te ekri l nan prezans a fis Israël yo. \p \v 33 Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan \x + \xo 8:33 \xo*\xt Det 11:29\xt*\x*Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la. \v 34 Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan \x + \xo 8:34 \xo*\xt Jos 1:8\xt*\x*liv lalwa a. \v 35 Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, \x + \xo 8:35 \xo*\xt Egz 12:36\xt*\x*avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo. \c 9 \p \v 1 Alò, lè \x + \xo 9:1 \xo*\xt Nonb 13:29\xt*\x*tout wa ki te lòtbò Jourdain nan peyi kolin yo, nan peyi ba plèn ak nan tout kot Gran Lamè a bò kote Liban, Etyen an, avèk Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an Evyen an ak Jebizyen an te tande koze sa, \v 2 yo te reyini ansanm avèk \x + \xo 9:2 \xo*\xt Sòm 83:3-5\xt*\x*yon sèl bi pou goumen avèk Josué e avèk Israël. \p \v 3 Lè pèp la nan \x + \xo 9:3 \xo*\xt Jos 9:17\xt*\x*Gabaon te tande sa ke Josué te fè ak Jéricho avèk Aï, \v 4 yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud, \v 5 avèk sapat ki te epwize e ranje nan pye yo, rad epwize sou yo menm avèk sèlman pen sèk e menm kanni. \v 6 Yo te ale kote Josué nan \x + \xo 9:6 \xo*\xt Jos 5:10\xt*\x*kan an nan Guilgal, e yo te di a li menm avèk mesye Israël yo: “Nou sòti nan yon peyi byen lwen. Konsa, fè yon akò avèk nou.” \p \v 7 Mesye Israël yo te di a \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jos 9:1\xt*\x*Evyen yo: “Petèt ou rete touprè nou: donk, kijan nou kap fè akò avèk ou?” \p \v 8 Men yo te di Josué: \x + \xo 9:8 \xo*\xt Det 20:11\xt*\x*“Nou se sèvitè ou.” Alò, Josué te di yo: “Ki moun nou ye e kibò nou sòti?” \p \v 9 Yo te di li: \x + \xo 9:9 \xo*\xt Jos 9:16-17\xt*\x*“Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo, \v 10 ak tout sa Li te fè a wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, a Sihon, wa Hesbon an ak Og, wa Basan an, ki te Ashtaroth. \v 11 Pou sa, tout ansyen nou yo avèk tout abitan a peyi nou yo te pale nou e te di: ‘Mete pwovizyon nan men nou pou vwayaj la. Ale rankontre yo e di yo: \x + \xo 9:11 \xo*\xt Jos 9:8\xt*\x*“Nou se sèvitè ou; alò, fè yon akò avèk nou.”’ \v 12 Sa se pen nou e li te cho lè nou te pran li pou pwovizyon nou e sòti lakay nou nan jou ke nou te pati pou vin kote ou a, men koulye a, gade, li rasi. \v 13 Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.” \p \v 14 Konsa, mesye Israël yo te aksepte pran nan pwovizyon yo, e yo \x + \xo 9:14 \xo*\xt Nonb 27:21\xt*\x*pa t mande SENYÈ a konsèy. \v 15 \x + \xo 9:15 \xo*\xt Egz 23:32\xt*\x*Josué te fè lapè avèk yo. Li te fè yon akò avèk yo pou lese yo viv, epi dirijan kongregasyon an te sèmante yon ve ak yo. \p \v 16 Li te vin rive nan fen twa jou yo, lè yo te fin fè akò avèk yo, ke yo te tande ke yo te vwazen ki te rete nan peyi yo. \v 17 Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: \x + \xo 9:17 \xo*\xt Jos 18:25\xt*\x*Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim. \v 18 Fis Israël yo pa t frape yo akoz dirijan kongregasyon an te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye a tout Israël la. \p Epi tout kongregasyon an te plenyen kont dirijan yo. \v 19 Men tout dirijan yo te di a tout kongregasyon an: “Nou te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye Israël la. Koulye a, nou pa kapab touche yo. \v 20 Men kisa nou va fè yo; kite yo viv pou kòlè pa vin sou nou pou ve ke nou sèmante a yo a.” \v 21 Dirijan yo te di a yo menm: “Kite yo viv.” Konsa, yo te vin \x + \xo 9:21 \xo*\xt Det 29:11\xt*\x*moun ki pou koupe bwa ak rale dlo pou tout kongregasyon an, jis jan ke dirijan yo te pale yo a. \v 22 Epi Josué te rele yo pou te pale avèk yo. Li te di: “Poukisa nou te twonpe nou, e di: ‘Nou lwen nou,’ \x + \xo 9:22 \xo*\xt Jos 9:16\xt*\x*lè vrèman nou ap viv nan mitan peyi nou an? \v 23 Koulye a, pou sa, nou \x + \xo 9:23 \xo*\xt Jen 9:25\xt*\x*modi e nou p ap janm sispann jwe wòl kòm esklav, ni pou koupe bwa ni pou rale dlo pou kay Bondye mwen an.” \p \v 24 Alò, yo te reponn Josué e te di: \x + \xo 9:24 \xo*\xt Jos 9:9\xt*\x*“Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a. \v 25 Alò, gade, nou nan men ou. \x + \xo 9:25 \xo*\xt Jen 16:6\xt*\x*Fè avèk nou sa ki sanble bon e jis nan zye ou pou fè nou.” \p \v 26 Se konsa, li te fè yo, e te livre yo nan men a fis Israël yo pou yo pa t touye yo. \v 27 Men Josué te bay yo ransèyman soti nan menm jou sa a, kòm moun ki koupe bwa ak rale dlo pou kongregasyon an ak lotèl SENYÈ a, jis rive nan jou sila, \x + \xo 9:27 \xo*\xt Det 12:5\xt*\x*nan plas ke Li ta chwazi a. \c 10 \p \v 1 Alò, li te vin rive ke lè Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te tande ke Josué te kapte Aï e te detwi li nèt (jis jan ke li te fè Jéricho avèk wa li a, konsa li te fè Aïavèk wa li a), e ke pèp Gabaon an te fè lapè avèk Israël e yo te rete nan mitan yo, \x + \xo 10:1 \xo*\xt Jos 8:21; Jos 9:15\xt*\x* \v 2 ke li te vin \x + \xo 10:2 \xo*\xt Egz 15:14-16\xt*\x*pè anpil, akoz Gabaon te yon gran vil tankou youn nan vil wayal yo, epi akoz li te pi gran ke Aï e tout gason li yo te pwisan. \p \v 3 Pou sa, Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te voye \x + \xo 10:3 \xo*\xt Jos 10:23\xt*\x*Hoham, wa Hébron an ak Piream, wa Jarmuth ak Japhia, wa Lakis avèk Debir, wa Eglon an, e te di: \v 4 “Vin monte kote mwen pou ede m. Annou atake Gabaon, paske yo te \x + \xo 10:4 \xo*\xt Jos 9:15\xt*\x*fè lapè avèk Josué e avèk fis Israël yo.” \p \v 5 Konsa, senk wa \x + \xo 10:5 \xo*\xt Nonb 13:29\xt*\x*Amoreyen yo, wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an te monte, yo menm avèk tout lame yo, yo te fè kan akote Gabaon pou te goumen kont li. \p \v 6 Mesye Gabaon yo te voye kote Josué kote kan Guilgal la, e te di: “Pa abandone sèvitè ou yo; vin monte kote nou pou ede nou; paske tout wa Amoreyen ki rete nan peyi kolin yo te vin rasanble kont nou.” \p \v 7 Alò, Josué te monte soti Guilgal, li menm ansanm ak \x + \xo 10:7 \xo*\xt Jos 8:1\xt*\x*tout moun lagè yo ak tout gèrye vanyan yo. \p \v 8 SENYÈ a te di a Josué: \x + \xo 10:8 \xo*\xt Jos 1:5-9\xt*\x*“Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou.” \p \v 9 Konsa, Josué te parèt sou yo sibitman akoz yo te mache nan nwit lan soti Guilgal. \v 10 \x + \xo 10:10 \xo*\xt Det 7:23\xt*\x*Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda. \p \v 11 Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, \x + \xo 10:11 \xo*\xt Sòm 18:12\xt*\x*SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo. \p \v 12 Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O \x + \xo 10:12 \xo*\xt Hab 3:11\xt*\x*solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!” \p \v 13 Alò, solèy la te kanpe e lalin nan pa t deplase Jiskaske nasyon an te fè revandikasyon an yo menm, sou lènmi yo. Èske sa pa ekri nan liv Jaser a? Solèy la te rete nan mitan syèl la e li pa t deplase pandan anviwon yon jou konplè.\x + \xo 10:13 \xo*\xt II Sam 1:18; És 38:8\xt*\x* \v 14 \x + \xo 10:14 \xo*\xt Egz 14:14\xt*\x*Pa t gen jou tankou sila a ni devan li, ni apre li, lè SENYÈ a te koute vwa a yon moun; paske SENYÈ a te goumen pou Israël. \p \v 15 Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te retounen nan kan an Guilgal. \v 16 Men \x + \xo 10:16 \xo*\xt Jos 10:5\xt*\x*senk wa sila yo te sove ale pou te kache kò yo nan gwòt Makkéda a. \v 17 Li te pale a Jousé ke: “Senk wa yo te twouve kache nan gwòt Makkéda a.” \v 18 Josué te di: “Woule gwo wòch yo kont bouch gwòt la; epi mete mesye yo veye l, \v 19 men pa rete nou menm. Swiv lènmi nou yo pou atake yo pa dèyè. Pa kite yo antre nan vil yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo nan men nou.” \p \v 20 Li te vin rive ke lè Josué avèk fis Israël yo te fin touye yo avèk yon gwo masak, \x + \xo 10:20 \xo*\xt Det 20:16\xt*\x*jiskaske yo tout te fin detwi e sila ki te chape yo, yo te antre nan vil fòtifye yo, \v 21 pou tout pèp la te retounen nan kan an kote Josué nan Makkéda anpè. Pèsòn pa t pale yon mo kont fis Israël yo. \p \v 22 Epi Jousé te di: “Ouvri bouch gwòt la e mennen senk wa sa yo sòti nan gwòt la.” \v 23 Se konsa yo te fè, yo te \x + \xo 10:23 \xo*\xt Det 7:24\xt*\x*mennen senk wa sila yo soti deyò gwòt la: wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an. \v 24 Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avèk l, “Vin \x + \xo 10:24 \xo*\xt Mal 4:3\xt*\x*mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini epou te mete pye yo sou kou yo. \p \v 25 Epi Josué te di yo: \x + \xo 10:25 \xo*\xt Jos 10:8\xt*\x*“Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj, paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.” \v 26 Epi answit, Josué te frape yo e te mete yo a lanmò, epi te \x + \xo 10:26 \xo*\xt Jos 8:29\xt*\x*pann yo sou senk pyebwa. Yo te pann sou bwa yo jis rive nan aswè. \p \v 27 Li te rive nan lè solèy kouche ke Josué te bay yon kòmand pou \x + \xo 10:27 \xo*\xt Det 21:22-23\xt*\x*yo te desann yo nan pyebwa yo, e jete yo nan gwòt kote yo te kache kò yo a. Yo te mete gwo wòch sou bouch gwòt la, ki la jis jodi a. \p \v 28 Alò, Josué te kaptire Makkéda nan jou sa a. Li te frape l, ansanm ak wa li a avèk lam nepe. \x + \xo 10:28 \xo*\xt Det 20:16\xt*\x*Li te konplètman detwi li ak tout moun ki te ladann. Li pa t kite pèsòn vivan. Konsa li te fè a wa Makkéda a, \x + \xo 10:28 \xo*\xt Jos 6:21\xt*\x*jis jan ke li te fè a wa Jéricho a. \p \v 29 Epi Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti Makkéda a \x + \xo 10:29 \xo*\xt 15:42\xt*\x*Libna pou te goumen kont Libna. \v 30 SENYÈ a te bay Libna tou ansanm ak wa li nan men Israël. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan ladann. Konsa li te fè a wa a li menm bagay ke li te fè a wa Jéricho a. \p \v 31 Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti nan Libna a Lakis. Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li. \v 32 SENYÈ a te bay Lakis nan men Israël. Li te kaptire li nan dezyèm jou a. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe, jis jan ke li te fè a Libna a. \p \v 33 Alò Horam, wa \x + \xo 10:33 \xo*\xt Jos 16:3-10\xt*\x*Guézer a, te monte pou ede Lakis. Jousé te bat li ak pèp li a jiskaske li pa t kite moun vivan. \p \v 34 Konsa, Josué avèk tout Israël te kite Lakis pou Églon; Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li. \v 35 Yo te kaptire li nan jou sila a e te frape li avèk lam nepe. Nan jou sa a, li te konplètman detwi tout moun ki te ladann, jis jan li te fè a Lakis la. \p \v 36 Alò, Josué avèk tout Israël avèk li te monte soti Églon a \x + \xo 10:36 \xo*\xt Nonb 13:22\xt*\x*Hébron, epi yo te goumen kont li. \v 37 Yo te kaptire li, frape li ak wa li a avèk tout vil li yo ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan, jis jan li te fè Eglon an. Li te konplètman detwi li avèk tout moun ki te ladann. \p \v 38 Epi Josué avèk tout Israël avèk li te retounen a \x + \xo 10:38 \xo*\xt Jos 15:15\xt*\x*Debir pou yo te goumen kont li. \v 39 Li te kaptire li avèk wa li a, ak tout vil li yo. Yo te frape yo avèk lam nepe e te detwi yo nèt tout moun ladann. Li pa t kite moun vivan. Jis jan ke li te fè Hébron an, konsa li te fè Debir avèk wa li a e li te osi fè nan Libna avèk wa li a. \p \v 40 Konsa, Josué te frape tout peyi a, \x + \xo 10:40 \xo*\xt Det 1:7\xt*\x*peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak \x + \xo 10:40 \xo*\xt Det 7:24\xt*\x*tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a. \v 41 Josué te frape yo soti Kadès-Barnéa, jis rive Gaza. \v 42 Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz \x + \xo 10:42 \xo*\xt Det 1:7\xt*\x*SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël. \p \v 43 Epi Josué ak tout Israël avèk li te retounen nan kan Guilgal la. \c 11 \p \v 1 Epi li te vin rive ke lè Jabin, wa \x + \xo 11:1 \xo*\xt Jos 11:10\xt*\x*Hatsor a, te tande koze a, li te voye kote Jobab, wa Madon an, kote wa Schimron ak kote wa Acschaph, \v 2 ak wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan \x + \xo 11:2 \xo*\xt Jos 12:3\xt*\x*Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès, \v 3 vè Kananeyen yo nan lès ak nan lwès, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo ak Jebizyen yo nan peyi kolin yo ak Evyen yo nan pye \x + \xo 11:3 \xo*\xt Jos 11:17\xt*\x*Mòn Hermon nan peyi Mitspa a. \v 4 Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, \x + \xo 11:4 \xo*\xt Jij 7:12\xt*\x*fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha. \p \v 5 Tout wa sila yo te reyini. Yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël. \p \v 6 Alò, SENYÈ a te di a Jousé: \x + \xo 11:6 \xo*\xt Jos 10:8\xt*\x* “Pa pè akoz yo menm, paske demen nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël. Nou va \x + \xo 11:6 \xo*\xt II Sam 8:4 \xt*\x*koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.” \p \v 7 Konsa, Jousé avèk tout moun lagè yo te parèt sou yo sibitman toupre dlo Mérom yo pou atake yo. \v 8 SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo. Yo te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak \x + \xo 11:8 \xo*\xt Jos 13:6\xt*\x*Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès. Yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo. \v 9 Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a. Li te \x + \xo 11:9 \xo*\xt Jos 11:6\xt*\x*koupe jarèt cheval yo, e brile cha yo avèk dife. \p \v 10 Epi Josué te retounen fè bak nan moman sa a pou te kaptire \x + \xo 11:10 \xo*\xt Jos 11:1\xt*\x*Hatsor e frape wa li a avèk nepe. Paske Hatsor, oparavan, te chèf an tèt tout wayòm sila yo. \v 11 \x + \xo 11:11 \xo*\xt Det 20:16\xt*\x*Yo te frape tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Yo te detwi yo nèt. Pa t gen pèsòn ki te rete ap respire. Epi li te brile Hatsor avèk dife. \p \v 12 Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, ak tout wa yo. Li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt, \x + \xo 11:12 \xo*\xt Nonb 33:50-52\xt*\x*jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a. \v 13 Sepandan, Israël pa t brile okenn nan vil ki te kanpe sou pwòp ti mòn pa yo, sof ke Hatsor sèl, ke Josué te brile. \v 14 \x + \xo 11:14 \xo*\xt Nonb 31:11-12\xt*\x*Tout piyaj lakay sila yo ak bèt yo, fis Israël yo te pran yo kòm byen sezi pa yo. Men yo te frape tout moun avèk lam nepe jiskaske yo te detwi yo. Yo pa t kite pèsòn respire. \p \v 15 Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué, e konsa Josué te fè. Li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 16 Konsa, Josué te pran tout teritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen nan, ba plèn nan, \x + \xo 11:16 \xo*\xt Jos 11:2\xt*\x*Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li, \v 17 soti nan Mòn Halak ki leve vè Séir, menm jis rive lwen nan Baal-Gad nan vale Liban nan pye Mòn Hermon. Konsa, li te kaptire \x + \xo 11:17 \xo*\xt Det 7:24\xt*\x*tout wa yo, li te frape yo ba e te mete yo a lanmò. \p \v 18 Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo. \v 19 Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke \x + \xo 11:19 \xo*\xt Jos 9:3-7\xt*\x*Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo. \v 20 \x + \xo 11:20 \xo*\xt Egz 14:7\xt*\x*Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 21 Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe \x + \xo 11:21 \xo*\xt Nonb 13:13\xt*\x*Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo. \v 22 Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan \x + \xo 11:22 \xo*\xt I Sam 17:4\xt*\x*Gath ak nan Asdod kèk te rete. \p \v 23 Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi \x + \xo 11:23 \xo*\xt Det 1:38\xt*\x*Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a. \c 12 \p \v 1 Alò, sila yo se \x + \xo 12:1 \xo*\xt Nonb 32:33\xt*\x*wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès: \v 2 Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine \x + \xo 12:2 \xo*\xt Det 2:36\xt*\x*soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an; \v 3 epi nan \x + \xo 12:3 \xo*\xt Jos 11:2\xt*\x*Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè \x + \xo 12:3 \xo*\xt Jos 13:20 \xt*\x*Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo; \v 4 epi teritwa Og, wa Basan an, youn nan \x + \xo 12:4 \xo*\xt Det 3:11\xt*\x*retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï, \v 5 epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan \x + \xo 12:5 \xo*\xt Det 3:14\xt*\x*lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an. \p \v 6 Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. \x + \xo 12:6 \xo*\xt Nonb 32:33\xt*\x*Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon. \p \v 7 Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, \x + \xo 12:7 \xo*\xt Jos 11:17\xt*\x* jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo, \v 8 nan \x + \xo 12:8 \xo*\xt Jos 11:16\xt*\x*peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an: \li1 \v 9 \x + \xo 12:9 \xo*\xt Jos 6:2\xt*\x*wa a Jéricho a, youn; \x + \xo 12:9 \xo*\xt Jos 8:29\xt*\x*wa a Ai ki akote Béthel la, youn; \li1 \v 10 \x + \xo 12:10 \xo*\xt Jos 10:23\xt*\x*wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn; \li1 \v 11 wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn; \li1 \v 12 wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn; \li1 \v 13 wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn; \li1 \v 14 wa a Horma a, youn; wa a \x + \xo 12:14 \xo*\xt Nonb 21:1\xt*\x*Arad la, youn \li1 \v 15 wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn; \li1 \v 16 wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn; \li1 \v 17 wa a Tappuach la, youn; \x + \xo 12:17 \xo*\xt I Wa 4:10\xt*\x*wa a Hépher a, youn; \li1 \v 18 wa a \x + \xo 12:18 \xo*\xt Jos 13:4\xt*\x*Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn; \li1 \v 19 wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn; \li1 \v 20 wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn; \li1 \v 21 wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn; \li1 \v 22 wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn; \li1 \v 23 wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn; \li1 \v 24 wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen. \c 13 \p \v 1 Alò \x + \xo 13:1 \xo*\xt Jos 14:10\xt*\x*Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede. \p \v 2 “Men tè ki rete yo: tout kote Filisten yo ak tout sila a Gechouryen yo; \v 3 soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); \x + \xo 13:3 \xo*\xt I Sam 6:4-16\xt*\x*senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo. \v 4 Nan sid, tout teritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan \x + \xo 13:4 \xo*\xt Jos 12:18\xt*\x*Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo; \v 5 epi teritwa Gibliyen yo avèk tout Liban, vè lès, soti Baal-Gad anba Mòn \x + \xo 13:5 \xo*\xt I Wa 5:18\xt*\x* Hermon jis rive nan Lebo-Hamath. \p \v 6 “Tout pèp ki te rete nan peyi ti kolin yo soti Liban jis rive Misrephoth-Maim, tout Sidonyen yo, mwen va pouse yo ale soti devan fis Israël yo. Se \x + \xo 13:6 \xo*\xt Nonb 33:54\xt*\x*sèl a Israël pou bay li kòm eritaj, jan Mwen te kòmande ou a. \v 7 Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.” \p \v 8 Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo \x + \xo 13:8 \xo*\xt Jos 12:1-6\xt*\x*lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a: \v 9 soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon; \v 10 epi tout vil a Sihon yo, wa a Amoreyen yo, ki te renye nan Hesbon yo, jis rive nan lizyè fis a Ammon yo; \v 11 epi \x + \xo 13:11 \xo*\xt Jen 37:35\xt*\x*Galaad ak teritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca; \v 12 tout wayòm a \x + \xo 13:12 \xo*\xt Det 3:11\xt*\x*Og yo nan Basan ki te renye nan Ashtaroth ak nan Édréï, (se te li sèl ki te rete kòm retay a Rephaïm yo); paske Moïse te \x + \xo 13:12 \xo*\xt Nonb 21:24\xt*\x*frape yo e deplase yo. \p \v 13 Men fis Israël yo pa t deplase Gechouryen yo ak Maakatyen yo; paske Gueschur avèk Maacath rete pami Israël yo jis jodi a. \p \v 14 \x + \xo 13:14 \xo*\xt Det 18:1\xt*\x*Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a. \p \v 15 Epi Moïse te bay a tribi fis a Ruben yo selon fanmi pa yo. \v 16 Teritwa pa yo te \x + \xo 13:16 \xo*\xt Jos 13:9\xt*\x*soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a; \v 17 Hesbon ak tout vil pa li yo ki nan plèn nan: Dibon avèk Bamoth-Baal ak Beth-Baal-Meon, \v 18 epi Jahats, Kedémoth, Méphaath, \v 19 Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a, \v 20 Beth-Peor, avèk pant a Pisga yo, Beth-Jeschimoth, \v 21 tout vil nan plèn yo ak tout wayòm a Sihon an, wa Amoreyen an, ki te renye nan Hesbon, ke Moïse te frape ansanm avèk chèf Madian yo, \x + \xo 13:21 \xo*\xt Nonb 31:8\xt*\x*Évi, Rékem, Tsur, Hur, avèk Reba, prens a Sihon yo, ki te rete nan peyi a. \v 22 Fis Israël yo, osi, te touye avèk nepe, \x + \xo 13:22 \xo*\xt Nonb 31:8\xt*\x*Balaam, fis a Beor a, yon divinò, pami tout lòt ki te mouri nan yo. \v 23 Lizyè a fis a Ruben yo se te Jourdain an. Sa se te eritaj a fis Ruben yo selon fanmi pa yo, vil ak ti bouk yo. \p \v 24 Moïse, osi, te bay tribi Gad la, a fis Gad yo, selon fanmi pa yo. \v 25 Teritwa pa yo se te Jazer, tout vil nan Galaad yo ak mwatye peyi a fis Ammon yo, jis rive nan Aroër ki devan Rabba a, \v 26 epi soti Hesbon, jis rive nan Ramath-Mitspé, Bethonim ak soti Mahanaïm jis rive nan lizyè Debir a; \v 27 epi nan vale a, Beth-Haram, Beth-Nimra, Succoth ak Tsaphon, sila ki rete nan wayòm Sihon an, wa Hesbon an, avèk Jourdain an kòm lizyè li jis rive nan pwent \x + \xo 13:27 \xo*\xt Nonb 34:11\xt*\x*Lamè Kinnéreth la, lòt kote Jourdain an vè lès. \v 28 Sa se eritaj a fis a Gad yo selon fanmi, vil yo ak bouk pa yo. \p \v 29 Moïse te, osi, bay yon eritaj a mwatye tribi Manassé a. Li te pou mwatye tribi Manassé a selon fanmi pa yo. \v 30 Teritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a \x + \xo 13:30 \xo*\xt Nonb 32:41\xt*\x*vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou. \v 31 Anplis, mwatye nan Galaad, avèk \x + \xo 13:31 \xo*\xt Jos 9:10\xt*\x*Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo. \p \v 32 Sila yo se teritwa ke Moïse te divize kòm eritaj nan ba plèn a Moab yo, lòtbò Jourdain an, vè Jéricho ki nan lès. \p \v 33 Men \x + \xo 13:33 \xo*\xt Det 18:1\xt*\x*a tribi Levi a, Moïse pa t ba li eritaj. SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan li te pwomèt a yo menm nan. \c 14 \p \v 1 Alò, sila yo se teritwa ke fis Israël yo te eritye nan peyi Canaran an, ke \x + \xo 14:1 \xo*\xt Nonb 34:16-29\xt*\x*Éléazar, prèt la ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf kay nan tribi a fis Israël yo te divize bay yo kòm eritaj yo, \v 2 selon tiraj \x + \xo 14:2 \xo*\xt Nonb 26:55\xt*\x*osò eritaj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande a, pa Moïse pou nèf tribi avèk mwatye tribi a. \v 3 Paske Moïse te bay eritaj la a de tribi avèk mwatye tribi lòtbò Jourdain an. Men \x + \xo 14:3 \xo*\xt Jos 13:14\xt*\x*li pa t bay yon eritaj a Levit ki te pami yo. \v 4 Paske fis Joseph yo te de tribi, \x + \xo 14:4 \xo*\xt Jen 41:5-11\xt*\x*Manassé avèk Éphraïm, e yo pa t bay yon pòsyon a Levit nan peyi yo, sof ke vil pou yo viv ladan yo, avèk teren pa yo pou bèt pa yo ak pou byen pa yo. \v 5 Konsa, fis Israël yo te fè \x + \xo 14:5 \xo*\xt Nonb 35:11\xt*\x*jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. Yo te divize teren an. \p \v 6 Alò, fis Juda yo te pwoche toupre Josué nan Guilgal ak \x + \xo 14:6 \xo*\xt Nonb 13:6-30\xt*\x*Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an. Yo di li: “Ou konnen pawòl ke SENYÈ a te pale a Moïse, nonm Bondye a, konsènan ou menm avèk mwen nan Kadès-Barnéa. \v 7 Mwen te gen karantan lè \x + \xo 14:7 \xo*\xt Nonb 13:1-31\xt*\x*Moïse, sèvitè SENYÈ a, te voye mwen sòti nan Kadès Barnéa pou fè espyonaj peyi a. Mwen te mennen pawòl la retounen kote li jan li te ye nan kè m nan. \v 8 Sepandan, frè m ki te monte avè m yo te fè kè a pèp la fann avèk laperèz; men \x + \xo 14:8 \xo*\xt Nonb 14:24\xt*\x*Mwen te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.” \v 9 Konsa, Moïse te sèmante nan jou sa a, e li te di: “Vrèman \x + \xo 14:9 \xo*\xt Det 1:36\xt*\x*peyi a sila pye ou te foule a va vin yon eritaj pou ou menm ak pitit ou yo pou tout tan, akoz ou te swiv SENYÈ a, Bondye mwen an nèt.” \p \v 10 “Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane. \v 11 \x + \xo 14:11 \xo*\xt Det 34:7\xt*\x*Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti. \v 12 Alò, koulye a, ban m peyi ti kolin yo sa ke SENYÈ a te pale nan jou sa a. Paske ou te tande nan jou sa a ke \x + \xo 14:12 \xo*\xt Nonb 13:33\xt*\x*Anakim yo te la avèk gran vil byen fòtifye. Li kapab ke SENYÈ a va avè m, e mwen va chase yo sòti ladann jan SENYÈ a te pale a.” \p \v 13 Alò, Josué te beni li e te bay Hébron a Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an jis rive jodi a kon eritaj li. Paske li te swiv SENYÈ a, Bondye Israël la nèt. \v 14 Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen nan, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt. \v 15 Alò, non ansyen a Hébron an se te Kirjath-Arba, paske Arba te moun pi gran pami Anakim yo. \p Answit, peyi a te vin gen repo san fè lagè. \c 15 \p \v 1 Koulye a, tiraj \x + \xo 15:1 \xo*\xt Nonb 34:3-4\xt*\x*osò a pou tribi fis a Juda yo selon fanmi pa yo te rive nan lizyè Édom an, desann nan sid pou rive nan dezè Tsin nan pwent ki plis nan sid la. \v 2 Lizyè sid la te sòti nan pwent piba nan Lamè Sale a, soti nan dlo ki vire vè sid la. \v 3 Konsa, li te kontinye vè sid pou rive nan pant Akrabbim nan. Li te kontinye a Tsin, li te monte vè sid a Kadès-Barnéa, e te kontinye nan Hesbron. Li te monte nan Addar e te vire tounen a Karkaa. \v 4 Li te \x + \xo 15:4 \xo*\xt Nonb 34:5\xt*\x*pase vè Atsmon e te kontinye pou rive nan \x + \xo 15:4 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*ti rivyè Égypte la. Konsa, lizyè a te fini nan lanmè a. Sa va lizyè sid nou. \p \v 5 Lizyè \x + \xo 15:5 \xo*\xt Nonb 34:3-12\xt*\x*lès la te Lamè Sale a soti nan bouch larivyè Jourdain an. Epi lizyè bò kote nò a te soti nan lanmè a nan bouch Jourdain an. \v 6 Epi lizyè a te monte vè Beth-Hogla, li te kontinye nan kote nò a Beth-Araba, epi lizyè a te monte nan wòch Bohan nan, fis a Ruben an. \v 7 Lizyè a te monte vè Debir soti nan \x + \xo 15:7 \xo*\xt Jos 7:24\xt*\x*vale a Acor a e te vire bò nò a vè Guilgal ki anfas pant pou rive Adummim, ki nan sid vale a, epi lizyè a te kontinye rive jis nan dlo a En-Schémesch pou te fini nan En-Roguel. \v 8 Konsa, lizyè a te monte nan vale Ben-Hinnon rive nan pant \x + \xo 15:8 \xo*\xt Jos 15:63\xt*\x*Jebizyen nan sid (sa vle di Jérusalem), epi lizyè a te monte sou pwent mòn nan ki pi devan vale Hinnon an vè lwès, ki nan dènye pwent vale Rephaïm nan vè nò. \v 9 Soti nan tèt mòn nan, lizyè a te koube pou rive nan sous ki rele dlo Nephtoach e te rive devan nan vil a Mòn Éphron an, epi lizyè a te vin koube pou rive nan Baala, (sa vle di, Kirjath-Jearim). \v 10 Lizyè a te vire soti nan Baala vè lwès pou rive nan Mòn Séir, li te kontinye pou rive nan pant Mòn Jearim nan nò (sa vle di Kesalon). Li te desann nan Beth-Schémesch e li te pase nan \x + \xo 15:10 \xo*\xt Jen 38:13\xt*\x*Timnah. \v 11 Lizyè a te kontinye rive akote Ékron vè nò. Epi lizyè a te koube rive nan Schicron, li te kontinye rive jis nan Mòn Baala, li te rive nan Jabneel, e li te fè bout nan lanmè a. \v 12 Lizyè a nan lwès la te nan kot Gran Lamè a. Sa se lizyè ki antoure fis Juda yo selon fanmi pa yo. \p \v 13 Alò, \x + \xo 15:13 \xo*\xt Jos 14:13-15\xt*\x*li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te kon rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis kon rele, Hébron). \v 14 Caleb te chase fè sòti la twa \x + \xo 15:14 \xo*\xt Nonb 13:33\xt*\x* fis Anak yo: Schéschaï, Ahiman ak Talmaï, pitit a Anak yo. \p \v 15 Konsa, \x + \xo 15:15 \xo*\xt Jos 10:38\xt*\x*li te monte soti la kont sila ki rete Debir yo. Debir oparavan te rele Kirjath-Sépher. \v 16 Alò, Caleb te di: “Sila ki kaptire li a, mwen va bay li Acsa, fi mwen an, kòm madanm.” \v 17 \x + \xo 15:17 \xo*\xt Jij 1:13\xt*\x*Othniel, fis a Kenaz la, frè Caleb la te kaptire li. Konsa, li te bay li Acsa, fi li a, kòm madanm. \p \v 18 \x + \xo 15:18 \xo*\xt Jij 1:14\xt*\x*Li te vin rive ke lè fi a te vin kote li, li te konvenk li pou mande papa li pou yon chan. Konsa, fi a te desann bourik la, e Caleb te di l: “Kisa ou vle?” \p \v 19 Epi li te di: “Beni mwen; Kòmsi, ou te ban mwen tè nan negev la, ban mwen sous dlo yo tou.” Konsa, li te ba li sous pi wo yo avèk sous anba yo. \p \v 20 Sa se eritaj a tribi a fis Juda yo selon fanmi pa yo. \p \v 21 Alò, vil nan tribi fis Juda yo, pi lwen vè fwontyè Édom an nan sid la te Kabsteel, \x + \xo 15:21 \xo*\xt Jen 35:21\xt*\x*Éder, avèk Jagur, \v 22 epi Kina, Dimona, Adada \v 23 ak Kédesh, Hatsor, Ithnan, \v 24 Ziph, Thélem, Bealòth, \v 25 Hatsor-Hadattha, Kerijoth-Hetsron ki se Hatsor, \v 26 Amam, Schema, Molada, \v 27 Hatsar-Gadda, Heschmon, Beth-Paleth, \v 28 Hatsar-Schual, Beer-Schéba, Bizjothja \v 29 Baala, Ijjim, Atsem, \v 30 Eltholad, Kesil, Horma, \v 31 Tsiklag, Madmanna, Sansanna, \v 32 Lebaoth, Schilhim, Aïn, avèk Rimmon. Antou, vent-nèf vil avèk bouk pa yo. \p \v 33 Nan ba plèn nan: Eschathaol, Tsorea, Aschna, \v 34 Zanoach, En-Gannim, Tappuach, Énam, \v 35 Jarmuth, Adullam, Soco, Azéka, \v 36 Schaaraïm, Adithaïm, Guedéra, avèk Guedérothaïm; katòz vil avèk bouk pa yo. \v 37 Tsenan, Hadascha, Migdal-Gad, \v 38 Dilèan, Mitspé, Joktheel, \v 39 Lakis, Botskath, Églon, \v 40 Cabbon, Lachmas, Kithlisch, \v 41 Guedéroth, Beth-Dagon, Naama, avèk Makkéda; sèz vil avèk bouk pa yo. \v 42 Libna, Éther, Aschan, \v 43 Jiphatach, Aschna, Netsib, \v 44 Keïla, Aczib ak Maréscha; nèf vil avèk bouk pa yo. \v 45 Ékron, avèk vil li yo ak bouk pa li yo; \v 46 soti nan Ékron menm pou rive nan lanmè a, tout sa ki te menm kote avèk Asdod avèk bouk pa li yo. \v 47 Asdod, vil pa li yo avèk bouk yo; Gaza, vil pa li yo avèk bouk yo; jis rive nan ti rivyè Égypte la avèk akote Gran Lamè a, menm. \p \v 48 Nan peyi ti kolin yo: Schamir, Jatthir, Soco, \v 49 Danna, kirjath-Sanna, ki se Debir, \v 50 Anab, Eschthemo, Anim, \v 51 Gosen, Holon, avèk Guilo, onz vil avèk bouk pa yo. \v 52 Arab, Duma, Éschean \v 53 Janum, Beth-Tappuach, Aphéka, \v 54 Humta, Kirjath-Arba, ki se Hébron, avèk Tsior; nèf vil avèk bouk pa yo. \v 55 Maon, Carmel, Ziph, Juta, \v 56 Jizreel, Jokdeam, Zanoach, \v 57 Kaïn, Guibea, avèk Thimna; dis vil avèk bouk pa yo. \v 58 Halhul, Beth-Tsur, Guedor, \v 59 Maarath, Beth-Anoth, avèk Elthekon; sis vil avèk bouk pa yo. \v 60 Kirjath-Baal, ki se Kirjath-Jearim ak Rabba; de vil avèk bouk pa yo. \p \v 61 Nan dezè a: Beth-Araba, Middin, Secaca, \v 62 Nibschan, Ir-Hammélach ak En-Guédi; sis vil avèk bouk pa yo. \p \v 63 Alò, pou \x + \xo 15:63 \xo*\xt Jij 1:21\xt*\x*Jebizyen yo, moun ki te rete Jérusalem yo, fis Juda yo pa t kapab chase yo ale; pou sa, Jebizyen yo rete pami fis Juda yo jis rive jodi a. \c 16 \p \v 1 Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain vè Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, vè lès nan \x + \xo 16:1 \xo*\xt Jos 8:15\xt*\x*dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel. \v 2 Li te sòti Béthel vè Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth. \v 3 Li te kouri desann vè lwès nan teritwa a Jafletyen yo, jis rive nan teritwa pati \x + \xo 16:3 \xo*\xt Jos 18:13\xt*\x*Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te fè bout li nan lanmè. \p \v 4 \x + \xo 16:4 \xo*\xt Jos 17:4\xt*\x*Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo. \v 5 Men teritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te \x + \xo 16:5 \xo*\xt Jos 18:13\xt*\x*Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon. \v 6 Epi lizyè a te vire nan lwès nan \x + \xo 16:6 \xo*\xt Jos 17:7\xt*\x*Micmethath nan nò; epi lizyè a te vire vè lès pou Thaanath-Silo e te kouri depase li nan lès a Janoach. \v 7 Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a \x + \xo 16:7 \xo*\xt I Kwo 7:27\xt*\x*Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an. \v 8 Soti nan \x + \xo 16:8 \xo*\xt Jos 17:8\xt*\x*Tappuach, lizyè a te kontinye vè lwès nan ti rivyè Kana a e te fè bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo, \v 9 avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo. \v 10 Men yo pa t chase fè sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse. \c 17 \p \v 1 Alò, sa se tiraj osò a pou Manassé, paske li te premye ne a Joseph. Pou \x + \xo 17:1 \xo*\xt Jos 17:8\xt*\x*Makir, premye ne a Manassé a, papa a Galaad ak Basan, paske li te yon nonm lagè. \v 2 Epi tiraj osò a te fèt pou lòt fis Manassé yo selon fanmi pa yo: pou fis a Abiézer a, pou fis a Hélek la, pou fis a Asriel yo, e fis a Sichem yo, pou fis a Hépher yo ak pou fis a Schemida yo; sa yo se te desandan mesye a Manassé yo, fis a Joseph la selon fanmi pa yo. \v 3 Men \x + \xo 17:3 \xo*\xt Nonb 26:33\xt*\x* Tselophchad, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, pa t gen fis, men sèlman fi. Sila yo se non a fi li yo: Machla, Noa, Hogla, Milca ak Thirtsa. \v 4 Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, \x + \xo 17:4 \xo*\xt Nonb 27:5-7\xt*\x* selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo. \v 5 Pou sa, te vin tonbe dis pòsyon tè a Manassé, anplis, tout tè a Galaad ak Basan ki lòtbò Jourdain an, \v 6 akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi \x + \xo 17:6 \xo*\xt Jos 13:30-31\xt*\x*tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo. \v 7 Lizyè Manassé a te kouri soti Aser a Micmethath, ki nan lès a Sichem. Epi lizyè a te kouri vè sid pou rive kote pèp En-Tappuach yo. \v 8 Tè Tappuach la te apatyen a Manassé; men \x + \xo 17:8 \xo*\xt Jos 16:8\xt*\x*Tappuach nan lizyè Manassé a te pou fis a Éphraïm yo. \v 9 \x + \xo 17:9 \xo*\xt Jos 16:8\xt*\x*Lizyè a te kouri desann rive nan ti rivyè Kana a, bò kote sid a rivyè a (vil sa yo se te pou Éphraïm pami vil a Manassé yo). Epi lizyè a Manassé a te nan kote nò a ti rivyè a e li te fè bout li nan lanmè. \v 10 Kote sid la se te pou Éphraïm e kote nò a se te pou Manassé, lanmè a te lòt lizyè a. Yo te rive vè Aser nan nò e vè Issacar nan lès. \v 11 Nan Issacar ak nan Aser, \x + \xo 17:11 \xo*\xt I Kwo 7:29\xt*\x* Manassé te gen Beth-Schean avèk bouk li yo, Jibleam avèk bouk li yo, pèp a Dor yo avèk bouk li yo, pèp a En-Dor yo avèk bouk li yo, pèp a Thaanac yo avèk bouk li yo, pèp a Meguiddo yo avèk bouk li yo e twazyèm nan se Napheth. \v 12 \x + \xo 17:12 \xo*\xt Jij 1:27\xt*\x*Men fis Manassé yo pa t kab pran posesyon a vil sa yo akoz Kananeyen yo te pèsiste viv nan peyi sa a. \p \v 13 Li te rive ke lè fis Israël yo te vin gen fòs, \x + \xo 17:13 \xo*\xt Jos 16:10\xt*\x*yo te mete Kananeyen yo nan travo fòse; men yo pa t chase yo deyò nèt. \v 14 Alò, \x + \xo 17:14 \xo*\xt Nonb 13:7\xt*\x*fis Joseph yo te pale avèk Josué e te di: “Poukisa mwen te resevwa yon sèl tiraj osò ak yon sèl pòsyon kòm eritaj, paske nou menm se yon pèp ki anpil ke jis koulye a SENYÈ a te beni anpil?” \p \v 15 Josué te di yo: “Si nou se yon pèp ki anpil, ale monte nan forè a pou netwaye yon plas pou nou la nan peyi Ferezyen avèk Rephaïm yo; akoz peyi ti kolin Éphraïm nan twò etwat pou nou.” \p \v 16 Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen \x + \xo 17:16 \xo*\xt Jos 17:18\xt*\x*cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.” \p \v 17 Josué te pale avèk lakay Joseph, a Éphraïm avèk Manassé e te di: “Nou se yon pèp ki anpil e ki gen gran pouvwa. Nou p ap gen yon sèl tiraj osò, \v 18 men peyi ti kolin yo va vin pou nou. Men se yon forè ke li ye, nou va eklèsi li e lizyè ki pi lwen nan li yo va vin pou nou; paske nou va chase met deyò Kananeyen yo, malgre yo gen \x + \xo 17:18 \xo*\xt Jos 17:16\xt*\x*cha ki fèt an fè e malgre yo gen fòs.” \c 18 \p \v 1 Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan \x + \xo 18:1 \xo*\xt Jij 21:19\xt*\x*Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo. \v 2 Te rete pami fis Israël yo sèt tribi ki potko divize eritaj yo. \v 3 Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Konbyen de tan nou va mete ankò pou nou pa antre pran posesyon peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou an? \v 4 Bay a tèt nou twa mesye ki sòti nan chak tribi, pou m kapab voye yo e pou yo kab mache nan peyi a, pou ekri yon plan detaye a yo menm selon pwòp eritaj pa yo; epi yo va retounen bò kote mwen. \v 5 Yo va divize li an sèt pòsyon; \x + \xo 18:5 \xo*\xt Jos 15:1\xt*\x*Juda va rete nan teritwa pa li nan sid e lakay Joseph la va rete nan teritwa pa yo nan nò. \v 6 Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. \x + \xo 18:6 \xo*\xt Jos 14:2\xt*\x*Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an. \v 7 Paske \x + \xo 18:7 \xo*\xt Nonb 18:7-20\xt*\x*Levit yo pa gen pòsyon pami nou, akoz pozisyon prèt SENYÈ a se eritaj pa yo. Gad avèk Ruben avèk mwatye tribi Manassé a, osi, te resevwa eritaj vè lès, lòtbò Jourdain an, ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te ba yo.” \p \v 8 Konsa, mesye yo te leve ale. Josué te kòmande sila ki te ale yo: “Ale mache nan teren an, e founi yon plan apantaj detaye de li e retounen kote mwen. Alò, mwen va tire li osò pou nou soti isit la nan Silo.” \p \v 9 Konsa, mesye yo te sòti e te pase nan peyi a, yo te fè plan apantaj detaye a. Yo te ekri yon deskripsyon selon vil li yo, sèt divizyon yo nan yon liv. Konsa, yo te retounen vè Josué nan kan an Silo. \v 10 Epi \x + \xo 18:10 \xo*\xt Nonb 34:16-29\xt*\x*Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo. \p \v 11 Alò, tiraj osò a pou tribi Benjamin an te monte selon fanmi pa yo e teritwa osò pa yo a te poze antre fis a Juda yo ak fis a Joseph yo. \v 12 \x + \xo 18:12 \xo*\xt Jos 16:1\xt*\x*Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an. \v 13 Soti la, lizyè a te kouri vè \x + \xo 18:13 \xo*\xt Jen 28:19\xt*\x*Luz nan kote sid a Luz (ki se Béthel) vè sid; epi lizyè a te desann vè Athroth-Addar, toupre ti mòn ki sou kote sid a Ba Beth-Horon an. \v 14 Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la. \v 15 Epi kote \x + \xo 18:15 \xo*\xt Jos 15:5-9\xt*\x*sid la te soti akote a Kirjath-Jearim e lizyè a te ale vè lwès pou te rive nan fontèn dlo Nephthoach yo. \v 16 Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan \x + \xo 18:16 \xo*\xt II Wa 23:10\xt*\x*vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel. \v 17 Li te lonje vè nò e te rive nan En-Schémesch ak nan Gueliloth, ki anfas pant Adummim nan. Epi li te desann nan \x + \xo 18:17 \xo*\xt Jos 15:6\xt*\x*wòch Bohan an, fis a Ruben an. \v 18 Li te kontinye akote pa devan Araba a vè nò e te desann rive nan Araba. \v 19 Lizyè a te kontinye vè akote Beth-Hogla vè nò; epi lizyè a te fè bout li nan dlo nò a Lamè Sale a, nan pwent sid a Rivyè Jourdain an. Sa se te lizyè sid la. \v 20 Anplis, Jourdain an te lizyè li nan kote lès. Sa se te eritaj a fis Benjamin yo, selon fanmi pa yo ak selon lizyè li yo toupatou. \v 21 Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits, \v 22 Beth-Araba, Tsemaraïm, Béthel, \v 23 Avvim, Para, Ophra, \v 24 Kephar-Ammonaï, Ophni, epi Guéba; douz vil yo, avèk bouk pa yo. \v 25 Gabaon, Rama, Beéroth, \v 26 Mitspé, Kephira, Motsa, \v 27 Rékem, Jirpeel, Thareala, \v 28 Tséla, \x + \xo 18:28 \xo*\xt II Sam 21:14\xt*\x*Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo. \c 19 \p \v 1 Alò, dezyèm tiraj osò a te tonbe a Siméon, a tribi a fis a Siméon yo selon fanmi pa yo e eritaj pa yo te nan mitan eritaj a fis Juda yo. \v 2 Konsa, yo te gen kòm eritaj yo Beer-Schéba, Schéba ak Molada, \v 3 avèk Hatsar-Schual, Bala, Atsem, \v 4 Eltholad, Bethul, Horma \v 5 Tsiklag, Beth-Marcaboth, Hatsar-Susa, \v 6 Beth-Lebaoth ak Scharuchen, trèz vil avèk bouk pa yo; \v 7 Aïn, Rimmon, Éther ak Aschan, kat vil avèk bouk pa yo; \v 8 epi tout bouk ki antoure vil sa yo, jis rive nan Baalath-Beer, ki se Ramath a Negev la. Sa se te eritaj a tribi fis a Siméon yo selon fanmi pa yo. \v 9 Eritaj a fis Siméon yo te sòti depi nan pòsyon fis Juda yo, paske pòsyon Juda a te twò gran pou yo. Konsa, fis a Siméon yo te resevwa eritaj nan mitan eritaj Juda a. \p \v 10 Alò, twazyèm tiraj osò a te monte pou fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo. Epi teritwa eritaj pa yo a te rive jis Sarid. \v 11 Lizyè pa yo a te rive nan lwès jis Mareala e te touche Dabbéscheth pou te rive nan ti rivyè ki devan Jokneam nan. \v 12 Epi li te vire soti nan Sarid vè lès, vè solèy leve, jis rive nan fwontyè Kisloth-Thabor, kouri rive nan Dabrath e monte a Japhia. \v 13 Soti la, li te kouri vè lès, vè solèy leve, pou rive Guittha-Hépher, a Ittha-Katsin pou kontinye a Rimmon e lonje jis rive Néa. \v 14 Lizyè a te koube antoure li vè nò rive nan Hannathon e li te fè bout li nan vale Jiphthach-El. \v 15 Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo. \v 16 Sa se te eritaj a fis Zabulon yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo. \p \v 17 Katriyèm tiraj osò a te tonbe a Issacar; pou fis Issacar yo avèk fanmi pa yo. \v 18 Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak \x + \xo 19:18 \xo*\xt I Sam 28:4\xt*\x*Sunem, \v 19 Hapharaïm, Schion, Anacharath, \v 20 Rabbith, Kischjon, Abets, \v 21 Rémeth, En-Gannim, En-Hadda, avèk Beth-Patsets: \v 22 Lizyè a te rive nan Thabor, nan Schachatsima, nan Beth-Schémesch e te fè bout li nan Jourdain an. Sèz vil avèk bouk pa yo. \v 23 Sa se te eritaj a tribi a fis Issacar yo selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo. \p \v 24 Alò senkyèm tiraj osò a te tonbe a tribi a fis Aser yo selon fanmi pa yo. \v 25 Teritwa pa yo a se te Helkath, Hali, Béthen, Acschaph, \v 26 Allammélec, Amead avèk Mischeal; li te touche Carmel avèk Schichor-Libnath nan lwès. \v 27 Li te vire vè lès a Beth-Dagon pou te rive a Zabulon, ak nan vale Jiphthach-El vè nò a Beth-Émek avèk Neïel e kontinye vè \x + \xo 19:27 \xo*\xt I Wa 9:13\xt*\x*Cabul, \v 28 avèk Ébron, Rehob, Hammon, ak Cana, jis rive nan \x + \xo 19:28 \xo*\xt Jen 10:19\xt*\x*Gran Sidon. \v 29 Lizyè a te vin vire vè Rama ak vil fòtifye ki rele Tyr la; epi li vin vire nan Hosa e li te fè bout li nan lanmè vè zòn \x + \xo 19:29 \xo*\xt Jij 1:31\xt*\x*Aczib. \v 30 Osi, ladann se te Umma, Aphek, avèk Rehob. Venn-de vil avèk bouk pa yo. \v 31 Sa se te eritaj a tribi fis Aser yo, selon fanmi pa yo, vil sa yo avèk bouk pa yo. \p \v 32 Sizyèm tiraj osò a te tonbe pou fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo. \v 33 Lizyè pa yo a te soti nan Héleph, soti nan chèn a Tsaannim nan, Adami-Nékeb ak Jabneel, jis rive nan Lakkum pou li fin fè bout li nan Jourdain an. \v 34 Epi lizyè a te vire vè lwès nan Aznoth-Thabor pou te kontinye soti la a Hukkok; epi li te rive nan Zabulon vè sid, li te touche Aser sou lwès e Juda bò kote Jourdain an vè lès. \v 35 Vil fòtifye yo se te Tsiddim, Tser, Hammath, Rakkath, Kinnéreth, \v 36 Adama, Rama, Hatsor, \v 37 avèk Kédesch, Édréï, En-Hatsor, \v 38 Jireon, Migdal-El, Horem, Beth-Anath, Beth-Schémesch. Dis-nèf vil avèk bouk pa yo. \v 39 Sa se te eritaj a tribi a fis Nephtali yo, selon fanmi pa yo, vil yo avèk bouk pa yo. \p \v 40 Setyèm tiraj osò a te tonbe a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo. \v 41 Teritwa a eritaj pa yo a se te Tsorea, Eschthaol, Ir-Schémesch, \v 42 avèk Schaalabbin, Ajalon, Jithla, \v 43 epi Élon, Thiminatha, Ékron, \v 44 Eltheké, Guibbethon, Baalath, \v 45 Jehud, Bené-Berak, Gath-Rimmon, \v 46 Mé-Jarkon ak Rakkon, avèk teritwa ki anfas Japho a. \v 47 Teritwa a \x + \xo 19:47 \xo*\xt Jij 18:1\xt*\x*fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo. \v 48 Sa se te eritaj a tribi fis a Dan yo selon fanmi pa yo, vil sila yo avèk bouk pa yo. \p \v 49 Lè yo te fin divize teren an kòm eritaj selon lizyè li, fis a Israël yo te bay yon eritaj nan mitan yo a Josué, fis a Nun nan. \v 50 An akò avèk kòmand SENYÈ a, yo te ba li vil ke li te mande a, \x + \xo 19:50 \xo*\xt Nonb 13:8\xt*\x*Thimnath-Sérach nan peyi ti mòn a Éphraïm nan. Konsa, li te bati vil la e li te abite ladann. \v 51 \x + \xo 19:51 \xo*\xt Jos 18:10\xt*\x*Sila yo se te eritaj ke Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak chèf an tèt kay a tribi yo pou fis Israël yo te separe pa tiraj osò nan Silo devan SENYÈ a, nan pòtay tant asanble a. Konsa, yo te fin divize peyi a. \c 20 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale a Josué e te di: \v 2 “Pale a fis Israël yo e di: ‘Etabli \x + \xo 20:2 \xo*\xt Nonb 35:6-34\xt*\x*vil azil ke M te pale ou pa Moïse yo, \v 3 pou moun ki touye nenpòt moun san li pa fè eksprè, san reflechi yo, pou yo kapab sove ale rive la. Yo va vin yon azil kont vanjè san an. \v 4 Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre \x + \xo 20:4 \xo*\xt Rt 4:1\xt*\x*pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo. \v 5 Alò, si \x + \xo 20:5 \xo*\xt Nonb 35:12\xt*\x*vanjè san an vin kouri dèyè li, yo pa pou livre moun ki touye moun nan nan men yo, akoz li te frape vwazen li an san reflechi e li pa t rayi li avan lè. \v 6 Li va rete nan vil sa a \x + \xo 20:6 \xo*\xt Nonb 35:12\xt*\x*jiskaske li kanpe devan asanble a pou jijman, jiska lanmò a wo prèt la nan jou epòk sa a. Epi moun ki te touye moun nan va retounen nan pwòp vil pa li ak pwòp kay pa li, nan vil sila li te sove ale a.’” \p \v 7 Konsa, yo te mete akote \x + \xo 20:7 \xo*\xt Jos 21:32\xt*\x*Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a. \v 8 Lòtbò Jourdain an, sòti Jéricho vè lès, yo te dezinye Betser nan dezè a sou plèn nan pou tribi Ruben an, Ramoth nan Galaad pou tribi Gad la ak Golan nan Basan pou tribi Manassé a. \v 9 Sila yo se te \x + \xo 20:9 \xo*\xt Nonb 35:13\xt*\x*vil yo chwazi pou tout fis Israël yo, pou etranje ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san eksprè, kapab sove ale rive la e pa mouri pa men a vanjè san an jiskaske li vin kanpe devan asanble a. \c 21 \p \v 1 Epi chèf lakay a \x + \xo 21:1 \xo*\xt Nonb 35:1-8\xt*\x*Levit yo te pwoche Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak tèt lakay a tribi fis Israël yo. \v 2 Yo te pale avèk yo Silo, nan peyi Canaan an, e te di: \x + \xo 21:2 \xo*\xt Nonb 35:2\xt*\x*“SENYÈ a te kòmande pa Moïse pou bannou vil pou viv ladann, avèk patiraj pou bèt nou yo.” \p \v 3 Konsa, fis Israël yo te bay Levit yo soti nan eritaj pa yo vil sila yo avèk tè patiraj yo selon kòmand SENYÈ a. \v 4 Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin. \v 5 Rès nan fis Keatit yo te resevwa dis vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi a Éphraïm yo, soti nan tribi a Dan lan ak nan mwatye tribi a Manassé a. \v 6 Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan. \v 7 Fis a Merari yo selon fanmi pa yo te resevwa douz vil soti nan tribi Ruben, soti nan tribi Gad ak soti nan tribi Zabulon. \v 8 Alò \x + \xo 21:8 \xo*\xt Jen 49:5\xt*\x*fis Israël yo te bay selon tiraj osò a Levit yo, vil sila yo avèk teren patiraj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse la. \v 9 Yo te bay vil sila ki mansyone pa non soti nan tribi a fis Juda yo e soti nan tribi a fis Siméon yo; \v 10 epi yo te pou fis Aaron yo, youn nan fanmi a Keatit yo, nan fis Levi yo; paske premye tiraj osò a se te pou yo. \v 11 Konsa, \x + \xo 21:11 \xo*\xt I Kwo 6:55\xt*\x*yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk teren patiraj ki te antoure li yo. \v 12 Men chan a vil avèk bouk li yo, yo te bay yo a Caleb, fis a Jephunné a, kòm posesyon pa l. \v 13 Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay \x + \xo 21:13 \xo*\xt Jos 15:54\xt*\x*Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li yo ak \x + \xo 21:13 \xo*\xt Jos 15:42\xt*\x*Libna avèk teren patiraj pa li, \v 14 epi \x + \xo 21:14 \xo*\xt Jos 15:48\xt*\x*Jatthir avèk teren patiraj pa li, Eschthemoa avèk teren patiraj pa li, \v 15 epi Holon avèk teren patiraj pa li, \x + \xo 21:15 \xo*\xt Jos 15:49\xt*\x*Debir avèk teren patiraj pa li, \v 16 epi Aïn avèk teren patiraj pa li, \x + \xo 21:16 \xo*\xt Jos 15:10 \xt*\x*Jutta avèk teren patiraj pa li, \x + \xo 21:16 \xo*\xt Jos 15:55\xt*\x*Beth-Schémesch avèk teren patiraj pa li; nèf vil soti nan de tribi sila yo. \v 17 Soti nan tribi Benjamin an, Gabaon avèk teren patiraj pa li ak \x + \xo 21:17 \xo*\xt Jos 18:24\xt*\x*Guéba avèk teren patiraj pa li, \v 18 Anathoth avèk teren patiraj pa li ak Almon avèk teren patiraj pa li; kat vil. \v 19 Tout vil a fis Aaron yo, prèt yo, te trèz vil avèk teren patiraj pa yo. \p \v 20 Epi vil yo soti nan tribi Éphraïm nan te sòt tonbe pou \x + \xo 21:20 \xo*\xt I Kwo 6:66\xt*\x*fanmi a Kehath yo, Levit yo, jis rive nan lòt fis a Kehath yo. \v 21 Yo te bay yo \x + \xo 21:21 \xo*\xt Jos 20:7\xt*\x*Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk teren patiraj pa li, \v 22 epi Kibtsaïm avèk teren patiraj pa li, Beth-Horon avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li; kat vil. \v 23 Soti nan tribi Dan nan, Eltheke avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li, \v 24 Ajalon avèk teren patiraj pa li, Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; kat vil. \v 25 Soti nan mwatye tribi Mannassé a, Thaanac avèk teren patiraj pa li ak Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; de vil. \v 26 Tout vil yo avèk teren patiraj pa yo pou fanmi a lòt fis a Kehath yo te dis. \p \v 27 \x + \xo 21:27 \xo*\xt I Kwo 6:71\xt*\x*A fis Guerschon yo, youn nan fanmi a Levit yo soti nan mwatye tribi Manassé a, te tonbe Golan nan Basan, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li ak Beeschthra avèk teren patiraj pa li; de vil. \v 28 Soti nan tribi Issacar, Kischjon avèk teren patiraj pa li, Dabrath avèk patiraj pa li, \v 29 Jarmuth avèk patiraj pa li, En-Gannim avèk patiraj pa li; kat vil. \v 30 Soti nan tribi Aser, Mischal avèk teren patiraj pa li ak Abdon avèk teren patiraj pa li, \v 31 Helkath avèk teren patiraj pa li ak Rehob avèk patiraj pa li; kat vil. \v 32 Soti nan tribi Nephtali, \x + \xo 21:32 \xo*\xt Jos 20:7\xt*\x*Kédesch nan Galilée, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk patiraj pa li ak Hammoth-Dor avèk patiraj pa li; twa vil. \v 33 Tout vil a Gèchonit yo, selon fanmi pa yo te trèz vil avèk teren patiraj pa yo. \p \v 34 A fanmi a \x + \xo 21:34 \xo*\xt I Kwo 6:77\xt*\x*fis Merari yo, rès nan Levit yo, soti nan tribi Zabulon, Jokneam avèk patiraj pa li ak Kartha avèk patiraj pa li. \v 35 Dimna avèk patiraj pa li, Nahalal avèk patiraj pa li, kat vil. \v 36 Soti nan tribi Ruben an, \x + \xo 21:36 \xo*\xt Det 4:43\xt*\x*Betser avèk patiraj pa li ak Jahtsa avèk patiraj pa li, \v 37 Kedémonth avèk teren patiraj pa li ak Méphaath avèk teren patiraj pa li; kat vil. \v 38 Soti nan tribi Gad la, \x + \xo 21:38 \xo*\xt Det 4:43\xt*\x*Ramoth nan Galaad, vil azil la ak \x + \xo 21:38 \xo*\xt Jen 32:2\xt*\x*Mahanaïm avèk teren patiraj pa li, \v 39 Hesbon, avèk teren patiraj pa li, Jaezer avèk teren patiraj pa li; kat vil antou. \v 40 Tout sila yo te vil a fis Merari yo selon fanmi pa yo, rès a fanmi a Levit yo. Tiraj osò pa yo a te douz vil. \p \v 41 \x + \xo 21:41 \xo*\xt Nonb 35:7\xt*\x*Tout vil a Levit ki te nan mitan posesyon a fis Israël yo te karann-tuit vil avèk teren patiraj pa yo. \v 42 Chak nan vil sila yo te gen teren patiraj pa li ki te antoure li. Se konsa li te ye avèk tout vil sila yo. \p \v 43 \x + \xo 21:43 \xo*\xt Det 34:4\xt*\x*Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann. \v 44 Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. \x + \xo 21:44 \xo*\xt Egz 23:31\xt*\x*SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo. \v 45 \x + \xo 21:45 \xo*\xt Jos 23:14\xt*\x*Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive. \c 22 \p \v 1 \x + \xo 22:1 \xo*\xt Nonb 32:20-22\xt*\x*Konsa, Josué te rele tout Ribenit yo ak Gadit yo ak mwatye tribi Manassé a. \v 2 Li te di yo: “Nou te swiv tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an \x + \xo 22:2 \xo*\xt Jos 1:12-18\xt*\x*e nou te koute vwa m nan tout sa ke m te kòmande nou yo. \v 3 Nou pa t abandone frè nou yo pandan tout jou sila yo, jis rive jodi a, men nou te kenbe lòd a kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an. \v 4 Epi koulye a, \x + \xo 22:4 \xo*\xt Nonb 32:18\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, te bay repo a frè nou yo, jan Li fenk pale yo a. Pou sa, vire koulye a e ale nan tant pa nou yo, nan peyi posesyon pa nou an, ke Moïse, sèvitè Bondye a, te bannou lòtbò Jourdain an. \v 5 Sèlman, fè atansyon pou swiv kòmandman an ak lalwa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande nou an, pou nou \x + \xo 22:5 \xo*\xt Det 5:10\xt*\x*renmen SENYÈ a, Bondye nou an, epi mache nan tout chemen Li yo, kenbe kòmandman Li yo, kenbe fèm a Li menm, e sèvi Li \x + \xo 22:5 \xo*\xt Det 4:29\xt*\x*avèk tout kè nou e ak tout nanm nou.” \p \v 6 Epi Josué te \x + \xo 22:6 \xo*\xt Jen 47:7\xt*\x*beni yo. Li te voye yo ale, e yo te ale nan pwòp tant pa yo. \v 7 Alò, \x + \xo 22:7 \xo*\xt Nonb 32:33\xt*\x*a mwatye tribi sila ki te pou Manassé a, Moïse te ba yo yon posesyon nan Basan; men \x + \xo 22:7 \xo*\xt Jos 17:1-13\xt*\x*a lòt la, Josué te ba yo yon posesyon pami frè yo nan lwès lòtbò Jourdain an. Konsa, lè Josué te voye yo ale nan tant yo, li te beni yo, \v 8 epi li te di yo: “Retounen vè tant nou yo avèk gran richès, avèk yon gran kantite bèt, avèk ajan, lò, bwonz, fè, e avèk anpil rad. \x + \xo 22:8 \xo*\xt Nonb 31:27\xt*\x*Divize piyaj a lènmi nou yo avèk frè nou.” \p \v 9 Fis a Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te retounen kite fis Israël yo nan Silo, ki te nan peyi Canaan an, pou ale nan \x + \xo 22:9 \xo*\xt Nonb 32:1-29\xt*\x*peyi Galaad, nan peyi ke yo te posede a, selon kòmand a SENYÈ a ki te soti nan Moïse la. \p \v 10 Lè yo te vini nan rejyon Jourdain an, ki nan peyi Canaan an, fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te bati yon lotèl la akote Jourdain an, yon lotèl ki parèt byen gran. \v 11 Lè fis Israël yo te tande afè sa a, yo te di: “Gade byen, fis Ruben yo ak fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a gen tan \x + \xo 22:11 \xo*\xt Det 12:5\xt*\x*bati yon lotèl nan fwontyè peyi Canaan an, nan rejyon Jourdain an, sou bò ki pou fis Israël yo.” \v 12 Lè fis Israël yo te vin tande sa a, tout asanble a fis Israël yo te rasanble yo nan \x + \xo 22:12 \xo*\xt Jos 18:1\xt*\x*Silo pou monte kont yo nan lagè. \v 13 Alò, fis Israël yo te voye prèt la, \x + \xo 22:13 \xo*\xt Nonb 25:7-11\xt*\x*Phinées, fis Éléazar a, kote fis Ruben yo avèk fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a pou antre nan peyi Galaad la. \v 14 Ansanm avèk li, dis chèf yo, yon chèf pou kay a chak fanmi zansèt nan tribi Israël yo; epi \x + \xo 22:14 \xo*\xt Nonb 1:4\xt*\x* yo chak se te tèt an chèf kay fanmi zansèt li pami milye an Israël yo. \v 15 Yo te vin kote fis Ruben yo, kote fis Gad yo ak kote mwatye tribi Manassé a, nan peyi Galaad la. Yo te pale avèk yo e te di: \v 16 “Konsa pale tout kongregasyon a SENYÈ a: ‘Ki zak movèz fwa sa ye ke nou te komèt kont Bondye Israël la? Poukisa nou vire kite chemen SENYÈ a jodi a pou \x + \xo 22:16 \xo*\xt Jos 22:11\xt*\x*bati yon lotèl pou fè rebèl kont SENYÈ a jodi a? \v 17 Èske \x + \xo 22:17 \xo*\xt Nonb 25:1-9\xt*\x*inikite Peor a pa t sifi pou nou, nan sila nou poko pwòp jis rive jodi a, sepandan yon epidemi te vin parèt sou asanble SENYÈ a, \v 18 ke nou bezwen vire kite Jodi a chemen SENYÈ a? Si nou fè rebèl kont SENYÈ a Jodi a, \x + \xo 22:18 \xo*\xt Nonb 16:22\xt*\x*Li va fache avèk tout asanble Israël la demen. \v 19 Si, malgre sa, peyi posesyon nou an pa pwòp, alò, travèse antre nan peyi posesyon SENYÈ a, kote tabènak SENYÈ a kanpe a pou vin pran posesyon pami nou. Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a, ni fè rebèl kont nou avèk lotèl ke nou \x + \xo 22:19 \xo*\xt Jos 22:11\xt*\x*bati pou kont nou an, anplis ke lotèl SENYÈ a, Bondye nou an. \v 20 Èske \x + \xo 22:20 \xo*\xt Jos 7:1-26\xt*\x*Acan, fis Zérach la, pa t aji an movèz fwa nan zafè bagay ki te dedye anba ve a e kòlè te tonbe sou tout asanble a SENYÈ a? Epi se pa mesye sa a sèl ki te peri nan inikite l la.’” \p \v 21 Epi fis Ruben yo ak fis Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te reponn e te pale avèk chèf an tèt fanmi a Israël yo. \v 22 Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, \x + \xo 22:22 \xo*\xt I Wa 8:39\xt*\x*Li menm ki konnen! E Li menm va kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a! \v 23 Si nou bati pou kont nou yon lotèl pou detounen pa swiv SENYÈ a, oswa si pou nou \x + \xo 22:23 \xo*\xt Det 12:11\xt*\x*ofri yon ofrann brile, oswa yon ofrann sereyal sou li, oswa si se pou ofri sakrifis lapè sou li, ke SENYÈ a, li menm, fè demann sa a. \p \v 24 “Men anverite, si nou pa t fè sa avèk lakrent Bondye avèk yon bi ki te di ke: ‘Nan tan k ap vini an, fis ou yo kapab di a fis nou yo: “Ki relasyon nou gen avèk SENYÈ a, Bondye Israël la? \v 25 Paske SENYÈ a te fè Jourdain nan yon lizyè antre nou ak ou, nou menm, fis a Ruben yo ak fis a Gad yo. Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.”’” Pou sa a, li ta kab fèt ke fis ou yo ta ka petet fè pitit pa nou vin pa gen krent SENYÈ a. \p \v 26 “Pou sa, nou te di: ‘Annou bati yon lotèl, pa pou ofrann brile ni pou sakrifis; \v 27 men sa va pou \x + \xo 22:27 \xo*\xt Jen 31:48\xt*\x*yon temwen antre nou avèk ou menm ak antre jenerasyon ki swiv nou yo, ke nou kapab fè sèvis SENYÈ a devan Li avèk ofrann brile nou, avèk sakrifis nou yo e avèk ofrann lapè nou yo;’ pou fis pa w yo pa vin di a fis pa nou yo nan tan ki pou vini an: ‘Nou pa gen pòsyon nan SENYÈ a.’ \p \v 28 “Pou sa, nou te di, ‘Li va osi vin rive ke si yo di sa a nou, oswa a jenerasyon nou k ap vini an, alò nou va di: “Nou wè modèl lotèl ke zansèt nou yo te fè a, pa pou ofrann brile, ni pou fè sakrifis; men olye de sa, li se yon temwen antre nou menm ak ou menm.”’ \p \v 29 Lwen de nou ke nou ta fè rebèl kont SENYÈ a pou vin detounen pa swiv SENYÈ a jodi a, pou nou ta \x + \xo 22:29 \xo*\xt Det 12:13\xt*\x*bati yon lotèl ofrann brile, oswa ofrann sereyal, oswa sakrifis, ot ke lotèl ki pou SENYÈ a, Bondye nou an, ki devan tabènak pa Li a!” \p \v 30 Lè Phinées, prèt la, avèk chèf asanble yo, menm chèf an tèt a fanmi zansèt Israël ki te avèk li yo, te tande pawòl ke fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo te pale, sa te fè kè yo kontan. \v 31 Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, te di a fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo: “Jodi a, nou konnen ke SENYÈ a pami nou, akoz nou pa t fè zak malonèt sila a kont SENYÈ a. Koulye a, nou gen tan livre fis Israël yo soti nan men SENYÈ a.” \v 32 Alò, Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, avèk chèf yo te retounen sòti nan fis Ruben yo ak nan fis Gad yo, nan peyi Galaad la, yo te rive nan peyi Canaan an vè fis Israël yo e te pote pawòl sa ba yo. \v 33 Pawòl la te fè kè kontan pami fis Israël yo, e fis Israël yo te \x + \xo 22:33 \xo*\xt I Kwo 29:20\xt*\x*beni Bondye. Yo pa t pale ankò afè fè lagè pou detwi peyi kote fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te rete a. \v 34 Fis a Ruben yo avèk fis a Gad yo te \x + \xo 22:34 \xo*\xt Jen 31:47-49\xt*\x*rele lotèl la “Temwen lan Antre Nou, ke SENYÈ a Se Bondye.” \c 23 \p \v 1 Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay \x + \xo 23:1 \xo*\xt Jos 21:44\xt*\x*repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj, \v 2 ke \x + \xo 23:2 \xo*\xt Jos 24:1\xt*\x*Josué te rele tout Israël, tout ansyen yo avèk chèf an tèt yo avèk jij yo ak ofisye yo. Li te di yo: “Mwen vin vye, avanse nan laj. \v 3 Konsa, nou te wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a tout nasyon sila yo akoz nou menm. Paske se \x + \xo 23:3 \xo*\xt Det 1:30\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, ki t ap goumen pou nou an. \v 4 Nou wè, \x + \xo 23:4 \xo*\xt Egz 23:30\xt*\x*mwen te apòsyone pou nou nasyon sila ki rete yo kòm eritaj pou tribi nou yo, avèk tout nasyon ke mwen te koupe retire nèt yo, soti nan Jourdain an jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche. \v 5 SENYÈ a, Bondye nou an, li va pouse yo sòti devan nou e chase yo soti pou nou pa wè yo. Konsa, \x + \xo 23:5 \xo*\xt Nonb 33:53\xt*\x*nou va posede peyi yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pwomèt nou an. \p \v 6 \x + \xo 23:6 \xo*\xt Det 5:32\xt*\x*Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch. \v 7 Ke nou pa asosye avèk nasyon sila yo, sila ki toujou rete pami nou yo, ni nonmen non a dye pa yo, ni fè pèsòn sèmante pa yo, ni \x + \xo 23:7 \xo*\xt Egz 20:5\xt*\x*sèvi yo, ni bese devan yo. \v 8 Men nou dwe kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke nou te fè jis Jodi a. \p \v 9 \x + \xo 23:9 \xo*\xt Egz 23:23-30\xt*\x*Paske SENYÈ a te chase deyò, nasyon ki gran e ki gen fòs soti devan nou. Epi pou nou menm, nanpwen pèsòn ki te konn kanpe devan nou jis Jodi a. \v 10 Youn nan moun pa nou yo va fè yon milye sove ale; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se \x + \xo 23:10 \xo*\xt Det 3:22\xt*\x*Li menm ki goumen pou nou jan Li te pwomèt nou an. \v 11 Pou sa, veye tèt nou anpil pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 12 Paske si nou janm retounen pou \x + \xo 23:12 \xo*\xt Egz 34:15-16\xt*\x*kole a lòt nasyon sila yo, sila ki rete toujou pami nou yo, e vin fè maryaj avèk yo, pou nou vin nan relasyon avèk yo, e yo menm avèk nou, \v 13 konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon \x + \xo 23:13 \xo*\xt Egz 23:33\xt*\x*pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. \p \v 14 Alò, gade, jodi a, \x + \xo 23:14 \xo*\xt I Wa 2:2\xt*\x*mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke \x + \xo 23:14 \xo*\xt Jos 21:45\xt*\x*pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke. \v 15 Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, \x + \xo 23:15 \xo*\xt Lev 26:14-33\xt*\x*SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an, \v 16 \x + \xo 23:16 \xo*\xt Det 4:25-26\xt*\x*si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.” \c 24 \p \v 1 \x + \xo 24:1 \xo*\xt Jos 23:2\xt*\x*Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye. \v 2 Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm \x + \xo 24:2 \xo*\xt Jen 11:27-32\xt*\x*Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo. \v 3 Epi \x + \xo 24:3 \xo*\xt Jen 12:1\xt*\x*Mwen te pran zansèt nou an, Abraham, pou l soti lòtbò Rivyè a. Mwen te mennen li pase nan tout peyi a Canaan yo. Mwen te miltipliye desandan li yo e te bay li Isaac. \v 4 \x + \xo 24:4 \xo*\xt Jen 25:25-26\xt*\x*A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte. \p \v 5 “‘Epi \x + \xo 24:5 \xo*\xt Egz 4:14-17\xt*\x* Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo. Epi apre, Mwen te mennen nou sòti. \v 6 Mwen te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e \x + \xo 24:6 \xo*\xt Egz 14:2-31\xt*\x*nou te rive bò kote lanmè a. Konsa, Égypte te kouri dèyè zansèt nou yo avèk cha ak sòlda sou cheval yo jis rive nan Lamè Wouj la. \v 7 Men lè yo te kriye vè SENYÈ a, Li te mete tenèb antre nou menm avèk Ejipsyen yo. Mwen te mennen lanmè a sou yo pou te kouvri yo, epi pwòp zye pa nou te wè sa Mwen te fè an Égypte. Konsa, \x + \xo 24:7 \xo*\xt Det 1:45\xt*\x*nou te viv nan dezè a pandan anpil tan. \p \v 8 “‘Alò, \x + \xo 24:8 \xo*\xt Nonb 21:21-32\xt*\x*Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou. \v 9 Konsa, \x + \xo 24:9 \xo*\xt Nonb 22:2-6\xt*\x*Balak, fis Tsippor a, wa Moab la, te leve pou te goumen kont Israël, e li te voye rele Balaam, fis a Beor a, pou modi nou. \v 10 Men Mwen \x + \xo 24:10 \xo*\xt Det 23:5\xt*\x*pa t dakò koute Balaam. Konsa, li te oblije beni nou, e Mwen te delivre nou soti nan men li. \p \v 11 \x + \xo 24:11 \xo*\xt Jos 3:14-17\xt*\x*“‘Nou te travèse Jourdain an pou te rive Jéricho, epi pèp Jéricho yo te goumen kont nou; Amoreyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo avèk Etyen yo avèk Gigazyen yo, Evyen yo ak Jebizyen yo. Konsa, \x + \xo 24:11 \xo*\xt Egz 23:31\xt*\x*Mwen te livre yo nan men nou. \v 12 Apre, Mwen \x + \xo 24:12 \xo*\xt Egz 23:28\xt*\x*te voye gèp la devan nou e li te chase fè sòti wa Amoreyen yo devan nou, men \x + \xo 24:12 \xo*\xt Sòm 44:3\xt*\x*pa akoz nepe nou ni banza nou. \v 13 \x + \xo 24:13 \xo*\xt Det 6:10\xt*\x*Mwen te bannou yon peyi pou sila nou pa t travay, vil ke nou pa t bati e nou te viv ladan yo. N ap manje nan chan rezen avèk chan doliv ke nou pa t plante.’ \p \v 14 “Koulye a, pou sa, \x + \xo 24:14 \xo*\xt Det 10:12\xt*\x*gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. \v 15 Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa \x + \xo 24:15 \xo*\xt Jij 6:10\xt*\x*dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.” \p \v 16 Pèp la te reponn e te di: “Se lwen de nou pou nou ta abandone SENYÈ a pou sèvi lòt dye yo; \v 17 paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki te mennen nou avèk zansèt nou yo monte sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la, ki te fè gwo sign sila yo nan mitan nou. Se Li ki te pwoteje nou nan tout chemen kote nou pase e pami tout pèp nan mitan a sila nou te pase yo. \v 18 SENYÈ a te pouse fè sòti devan nou tout pèp yo, menm Amoreyen ki te viv nan peyi a. Konsa, nou osi, nou va sèvi SENYÈ a; paske se Li menm ki Dye nou.” \p \v 19 Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se \x + \xo 24:19 \xo*\xt Egz 20:5\xt*\x*yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo. \v 20 \x + \xo 24:20 \xo*\xt Det 4:25-26\xt*\x*Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.” \p \v 21 Pèp la te di a Josué: “Non, men nou va sèvi SENYÈ a.” \v 22 Josué te di a pèp la: “Nou se temwen kont pwòp tèt nou ke \x + \xo 24:22 \xo*\xt Sòm 119:173\xt*\x*nou te chwazi pou kont nou SENYÈ a, pou sèvi Li.” \p Yo te reponn: “Nou se temwen.” \p \v 23 “Koulye a, pou sa, mete akote dye etranje ki nan mitan nou yo e \x + \xo 24:23 \xo*\xt I Wa 8:57-58\xt*\x*tounen kè nou vè SENYÈ a, Bondye Israël la.” \p \v 24 \x + \xo 24:24 \xo*\xt Egz 19:8\xt*\x*Pèp la te di a Josué: “Nou va sèvi SENYÈ a, Bondye nou an e nou va obeyi vwa Li.” \p \v 25 \x + \xo 24:25 \xo*\xt Egz 24:8\xt*\x*Konsa, Josué te fè yon akò avèk pèp la nan jou sa a. Li te fè pou yo yon lwa ak yon règleman nan Sichem. \v 26 Josué te \x + \xo 24:26 \xo*\xt Det 31:24\xt*\x*ekri pawòl sila yo nan liv lalwa Bondye a; epi li te pran yon gwo wòch e te fè l kanpe la anba gwo bwadchenn ki te akote sanktyè SENYÈ a. \v 27 Josué te di a tout pèp la: “Gade byen, \x + \xo 24:27 \xo*\xt Jos 22:27-34\xt*\x*wòch sa a va tankou yon temwen kont nou; paske li te tande tout pawòl SENYÈ a te pale nou yo. Konsa, li va tankou yon temwen kont nou, pou nou pa vin enfidèl anvè Bondye nou an.” \v 28 Konsa, Josué te voye tout pèp la ale. Yo chak rive nan pwòp eritaj pa yo. \p \v 29 Li te vin rive apre bagay sa yo ke Josué, fis a Nun nan, sèvitè Bondye a, te vin mouri, avèk laj san-dis ane. \v 30 Yo te antere li \x + \xo 24:30 \xo*\xt Jos 19:50\xt*\x*nan teritwa eritaj li nan Thimnath-Sérach, ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, sou nò a mòn Gaasch. \v 31 \x + \xo 24:31 \xo*\xt Jij 2:6\xt*\x*Israël te sèvi SENYÈ a pandan tout jou a Josué yo, tout jou a ansyen ki te vivan nan tan Josué yo, e yo te konnen tout zèv SENYÈ a te fè pou Israël. \p \v 32 Alò, \x + \xo 24:32 \xo*\xt Jen 50:24-25\xt*\x*yo te antere zo Joseph yo, ke fis Israël yo te mennen monte soti Égypte, nan Sichem, nan mòso tè ke Jacob te achte nan men fis a Hamor yo, papa a Sichem, pou san pyès lajan an. Konsa, yo te devni eritaj a fis Joseph yo. \v 33 Anplis, Éléazar, fis a Aaron an te vin mouri. Yo te antere li nan \x + \xo 24:33 \xo*\xt Jos 22:13\xt*\x*Guibeath-Phinées, ki te bay a fis li nan peyi ti kolin a Éphraïm yo.