\id JOL \ide UTF-8 \h Joël \toc1 JOËL \toc2 Joël \toc3 Jl \mt1 JOËL \c 1 \p \v 1 Pawòl SENYÈ a te vin kote \x + \xo 1:1 \xo*\xt Trav 2:16\xt*\x*Joël, \q1 fis a Pethuel la. \q1 \v 2 Koute sa \x + \xo 1:2 \xo*\xt Job 8:8 \xt*\x*ansyen nou yo, \q1 koute sa, tout abitan peyi a! \q1 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Jr 30:7\xt*\x*Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo, \q1 oswa nan jou a papa zansèt nou yo? \q1 \v 3 \x + \xo 1:3 \xo*\xt Egz 10:2\xt*\x*Pale pitit nou yo bagay sa a, e kite pitit nou \q1 pale pitit pa yo ak pitit a yon lòt jenerasyon. \q1 \v 4 Sa ke ti krikèt la te kite, \q1 \x + \xo 1:4 \xo*\xt Na 3:15,16 \xt*\x* gwo krikèt la fin manje. \q1 Sa ke gwo krikèt la te kite, \q1 ti cheni an te manje. \q1 Sa ke ti cheni an te kite, \q1 \x + \xo 1:4 \xo*\xt És 33:4\xt*\x*gwo cheni an te manje. \q1 \v 5 Moun sou yo, leve pou nou ka kriye! \q1 Rele fò, nou tout k ap bwè diven an, \q1 akoz diven dous lan, \q1 paske li deja retire pou l kite bouch nou.\x + \xo 1:5 \xo*\xt Jl 3:3; És 32:10\xt*\x* \q1 \v 6 Paske yon nasyon deja anvayi peyi mwen an, \q1 ak gwo pwisans, fòs kantite moun depase kontwòl. \q1 \x + \xo 1:6 \xo*\xt Rev 9:8\xt*\x*Dan l se dan a yon lyon; \q1 gwo dan l yo se tankou dan a yon manman lyon. \q1 \v 7 Li te \x + \xo 1:7 \xo*\xt És 5:6\xt*\x*fè chan rezen mwen an \q1 vin yon kote gate. \q1 Li te rache pye fig mwen an. \q1 Li fin rache li nèt nèt, e jete li. \q1 Branch yo te vin blanch. \q1 \v 8 \x + \xo 1:8 \xo*\xt És 22:12 \xt*\x*Rele fò tankou yon vyèj ki \x + \xo 1:8 \xo*\xt Jl 1:13\xt*\x*abiye ak twal sak \q1 pou fiyanse jenès li ki mouri. \q1 \v 9 \x + \xo 1:9 \xo*\xt Os 9:4\xt*\x*Ofrann sereyal ak ofrann bwason an \q1 vin kou pe soti lakay SENYÈ a. \q1 \x + \xo 1:9 \xo*\xt Jl 2:17 \xt*\x*Prèt yo, sèvitè a SENYÈ a, ap lamante. \q1 \v 10 Chan an vin gate nèt. \q1 \x + \xo 1:10 \xo*\xt Jr 12:11\xt*\x*Peyi a ap fè dèy. \q1 Paske tout sereyal la fin gate nèt. \q1 Diven nèf la fin seche, \q1 lwil fre a vin sispann. \q1 \v 11 Se pou nou pa konprann anyèn, \q1 O kiltivatè yo! \q1 Rele anmwey, \q1 O nou menm k ap okipe pye rezen yo! \q1 Ble ak lòj la te peri nèt; \q1 \x + \xo 1:11 \xo*\xt És 17:1 \xt*\x*rekòlt chan an fin detwi. \q1 \v 12 \x + \xo 1:12 \xo*\xt Jl 1:10 \xt*\x*Pye rezen an vin sèch, \q1 e pye fig la vin pa donnen. \q1 Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan; \q1 menm tout pyebwa nan chan an fin cheche. \q1 Anverite \x + \xo 1:12 \xo*\xt És 16:10\xt*\x*Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo. \q1 \v 13 \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jr 4:8\xt*\x*Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, \q1 O prèt yo, Rele anmwey! \q1 O sèvitè a lotèl yo, \q1 Vin pase nwit lan ak twal sak, \q1 chèf sèvitè a Bondye mwen yo. \q1 Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an \q1 p ap antre lakay Bondye nou an. \q1 \v 14 Vin konsakre jèn nan! \q1 Pwoklame asanble solanèl lan! \q1 Rasanble tout ansyen yo \q1 ak tout moun ki rete nan peyi a, \q1 pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an, \q1 pou kriye fò anvè SENYÈ a.\x + \xo 1:14 \xo*\xt Jon 3:8\xt*\x* \q1 \v 15 Elas pou jou a! \q1 Paske \x + \xo 1:15 \xo*\xt Jl 2:1,11,31 \xt*\x*jou SENYÈ a vin pwòch. \q1 Li va vini tankou \x + \xo 1:15 \xo*\xt És 13:6\xt*\x*destriksyon ki soti \q1 nan Toupwisan an. \q1 \v 16 Èske manje a pa t retire soti devan zye nou? \q1 Lajwa ak kè kontan soti lakay Bondye nou an?\x + \xo 1:16 \xo*\xt És 3:7\xt*\x* \q1 \v 17 Jèm yo vin pouri anba bòl tè yo. \q1 Depo yo vin abandone. \q1 Kay depo yo fin demoli nèt, \q1 paske sereyal la vin sispann nèt.\x + \xo 1:17 \xo*\xt És 17:10,11\xt*\x* \q1 \v 18 Ala plenyen \x + \xo 1:18 \xo*\xt I Wa 8:5\xt*\x*bèt yo plenyen nan gòj! \q1 Twoupo bèf yo ap gaye toupatou, \q1 paske pa gen patiraj pou yo. \q1 Menm bann mouton yo ap soufri. \q1 \v 19 A Ou menm, O SENYÈ, Mwen kriye; \q1 paske dife fin devore patiraj nan savann yo, \q1 e flanm dife fin brile tout pyebwa nan chan yo.\x + \xo 1:19 \xo*\xt Sòm 50:15\xt*\x* \q1 \v 20 Menm bèt chan yo \x + \xo 1:20 \xo*\xt Sòm 104:21 \xt*\x*rele vè Ou menm; \q1 paske \x + \xo 1:20 \xo*\xt I Wa 17:7\xt*\x*sous dlo yo fin seche e dife a te devore \q1 tout patiraj nan savann yo. \b \c 2 \p \v 1 Soufle twonpèt la nan Sion, \q1 e sone alam nan sou mòn sen Mwen an! \q1 Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble, \q1 paske jou SENYÈ a ap vini. \q1 Anverite, li vin pwòch.\x + \xo 2:1 \xo*\xt Jl 1:15\xt*\x* \q1 \v 2 Yon jou fènwa ak pèdi espwa, \q1 yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès. \q1 Tankou solèy k ap leve sou mòn yo; \q1 konsa gen yon gwo pèp pwisan. \q1 Pa t janm gen yon bagay konsa, \q1 ni p ap janm gen anyen ankò, \q1 jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.\x + \xo 2:2 \xo*\xt Jl 2:10,31; Lam 1:12 \xt*\x* \q1 \v 3 Devan yo, se dife k ap devore, \q1 e dèyè yo, se yon flanm k ap brile. \q1 Peyi a vin \x + \xo 2:3 \xo*\xt És 51:3 \xt*\x*tankou jaden Eden devan yo, \q1 men yon savann \x + \xo 2:3 \xo*\xt Egz 10:5,15\xt*\x*dezole dèyè yo, \q1 e nanpwen anyen ki chape. \q1 \v 4 \x + \xo 2:4 \xo*\xt Rev 9:7\xt*\x*Aparans yo se tankou aparans cheval la; \q1 epi kon yon kavalye kouri cheval li, \q1 se konsa yo kouri. \q1 \v 5 Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo, \q1 se konsa yo sote; \q1 tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay, \q1 se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.\x + \xo 2:5 \xo*\xt Rev 9:9\xt*\x* \q1 \v 6 Devan yo, pèp yo vin nan gwo \x + \xo 2:6 \xo*\xt És 13:8\xt*\x*soufrans. \q1 Tout figi yo vin pal. \q1 \v 7 Yo kouri tankou mesye pwisan yo. \q1 Yo monte mi tankou sòlda. \q1 Konsa, yo \x + \xo 2:7 \xo*\xt Pwov 30:27\xt*\x*mache byen ranje, \q1 ni yo pa kite pa yo. \q1 \v 8 Youn pa jennen lòt. \q1 Yo chak mache nan pa yo. \q1 Lè y ap eklate travèse defans yo, \q1 yo pa kase ran ranje an. \q1 \v 9 Yo kouri sou vil la. \q1 Yo kouri sou miray la. \q1 Yo antre nan \x + \xo 2:9 \xo*\xt Egz 10:6 \xt*\x*kay yo; \q1 \x + \xo 2:9 \xo*\xt Jr 9:21\xt*\x*nan fenèt yo antre kon vòlè. \q1 \v 10 Devan yo, tè a \x + \xo 2:10 \xo*\xt Sòm 18:7 \xt*\x*souke. \q1 Syèl yo tranble. \q1 \x + \xo 2:10 \xo*\xt És 13:10\xt*\x*Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, \q1 e zetwal yo vin pèdi briyans yo. \q1 \v 11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a. \q1 Anverite, kan Li vin byen gran, \q1 paske \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jr 50:34 \xt*\x*byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. \q1 \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jl 1:15\xt*\x*Anverite, jou SENYÈ a gran. \q1 Li tèrib anpil! \q1 Se kilès ki ka sipòte li? \q1 \v 12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a, \q1 \x + \xo 2:12 \xo*\xt Det 4:29 \xt*\x*“retounen kote Mwen ak tout kè nou; \q1 avèk \x + \xo 2:12 \xo*\xt Dan 9:3\xt*\x*jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.” \q1 \v 13 Konsa, \x + \xo 2:13 \xo*\xt Sòm 34:18 \xt*\x*rann kè nou, olye vètman nou.” \q1 Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, \q1 paske Li \x + \xo 2:13 \xo*\xt Egz 34:6\xt*\x*plen gras ak mizerikòd, \q1 lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, \q1 e konn ralanti nan fè malè. \q1 \v 14 Kilès ki ka konnen \x + \xo 2:14 \xo*\xt Jr 26:3\xt*\x*si Li p ap repanti kite sa a, \q1 pou L kite dèyè Li yon benediksyon, \q1 menm yon ofrann sereyal \q1 ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an. \q1 \v 15 Soufle yon twonpèt nan Sion! \q1 \x + \xo 2:15 \xo*\xt Jl 1:14\xt*\x*Konsakre yon jèn. \q1 Pwoklame yon asanble solanèl. \q1 \v 16 Rasanble moun yo. \q1 \x + \xo 2:16 \xo*\xt I Sam 16:5\xt*\x*Fè yon asanble ki sen. \q1 Reyini ansyen yo. \q1 Rasanble timoun ak sila pran tete yo. \q1 Kite mesye marye a sòti nan chanm li, \q1 e lamarye a sòti nan chanm maryaj la. \q1 \v 17 Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, \q1 kriye antre galri a ak lotèl la, \q1 kite yo di: \x + \xo 2:17 \xo*\xt Egz 32:11,12 \xt*\x*“Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! \q1 Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, \q1 yon vye mò pami nasyon yo. \q1 Poukisa nasyon yo ta dwe di: \x + \xo 2:17 \xo*\xt Sòm 42:10\xt*\x*“Kote Bondye Yo a ye?” \b \q1 \v 18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a, \q1 e Li te \x + \xo 2:18 \xo*\xt És 60:10 \xt*\x*fè mizerikòd a pèp Li a. \q1 \v 19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: \q1 “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. \q1 Nou va vin satisfè nèt ak yo. \q1 \x + \xo 2:19 \xo*\xt Éz 34:29\xt*\x* Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo. \q1 \v 20 Men \x + \xo 2:20 \xo*\xt Jr 1:14,15\xt*\x*Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou, \q1 Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole. \q1 Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la; \q1 pwent dèyè a, nan lanmè lwès la. \q1 Konsa, sant pouriti li a va vin leve. \q1 Movèz odè li va vin monte, \q1 paske se gwo bagay li te konn fè.” \q1 \v 21 \x + \xo 2:21 \xo*\xt És 54:4\xt*\x*Pinga nou pè, O peyi a! \q1 Rejwi e fè kè nou kontan, \q1 paske SENYÈ a te fè gwo bagay. \q1 \v 22 Pa pè, nou menm bèt chan yo; \q1 paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt, \q1 paske pyebwa a vin bay fwi li. \q1 Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.\x + \xo 2:22 \xo*\xt Sòm 65:12,13\xt*\x* \b \q1 \v 23 Konsa, se pou nou fè kè kontan, \q1 O fis a Sion yo! \q1 Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an; \q1 paske Li te \x + \xo 2:23 \xo*\xt Det 11:14 \xt*\x*bay nou lapli bonè nan kantite ki jis, \q1 li te fè vide sou nou lapli, \q1 premyè ak \x + \xo 2:23 \xo*\xt Lev 26:4\xt*\x*denyè lapli lan tankou avan an. \q1 \v 24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal, \q1 e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.\x + \xo 2:24 \xo*\xt Lev 26:10\xt*\x* \q1 \v 25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane \q1 ke \x + \xo 2:25 \xo*\xt Jl 1:4-7\xt*\x* gwo krikèt te manje yo, \q1 ak ti krikèt la ki kouri a tè a, \q1 ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou, \q1 gwo lame ke Mwen menm te \q1 voye pami nou. \q1 \v 26 Nou va genyen anpil manje, \q1 nou va vin satisfè, \q1 e nou va fè lwanj non SENYÈ a, \q1 Bondye nou a, \q1 ki te \x + \xo 2:26 \xo*\xt Sòm 126:2,3 \xt*\x*aji ak mèvèy avèk nou. \q1 Konsa, pèp Mwen an \x + \xo 2:26 \xo*\xt És 45:17\xt*\x*p ap janm vin desi ankò. \b \q1 \v 27 Konsa, nou va konnen ke \q1 Mwen nan mitan Israël, \q1 ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, \q1 e ke pa gen okenn lòt; \q1 epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.\x + \xo 2:27 \xo*\xt Lev 26:11,12; És 45:5,6\xt*\x* \b \q1 \v 28 Li va vin rive apre sa, \q1 ke Mwen va \x + \xo 2:28 \xo*\xt És 32:15 \xt*\x*vide Lespri M sou tout \x + \xo 2:28 \xo*\xt És 40:5\xt*\x*chè. \q1 Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, \q1 e granmoun nou yo va fè vizyon yo. \q1 \v 29 Menm sou sèvitè ak sèvan yo, \q1 mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo. \q1 \v 30 Mwen va \x + \xo 2:30 \xo*\xt Mat 24:29\xt*\x*montre mèvèy yo \q1 nan syèl la ak sou tè a: \q1 san, dife, ak gwo kolòn lafimen. \q1 \v 31 Solèy la va vin tou nwa, \q1 e lalin nan tankou san \q1 devan gwo jou tèrib SENYÈ a.\x + \xo 2:31 \xo*\xt És 13:10\xt*\x* \q1 \v 32 Epi li va vin rive ke \x + \xo 2:32 \xo*\xt Jr 33:3\xt*\x*nenpòt moun \q1 ki rele non SENYÈ a, li va delivre; \q1 paske nan Mòn Sion ak Jérusalem, \q1 va gen sila ki chape yo, \q1 jan SENYÈ a te di a, \q1 menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele. \b \c 3 \p \v 1 “Paske gade byen, nan jou sila yo \q1 ak nan lè sa a, \q1 lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,\x + \xo 3:1 \xo*\xt Jr 16:5\xt*\x* \q1 \v 2 Mwen va \x + \xo 3:2 \xo*\xt És 66:18 \xt*\x*rasanble tout nasyon yo \q1 pou mennen yo desann nan vale Josaphat la. \q1 Epi Mwen va \x + \xo 3:2 \xo*\xt Jr 25:31\xt*\x*antre la nan jijman avèk yo \q1 pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël, \q1 ke yo te gaye pami nasyon yo. \q1 Yo te divize tè Mwen an, \q1 \v 3 epi te \x + \xo 3:3 \xo*\xt Ab 11 \xt*\x*voye tiraj osò pou pèp Mwen an. \q1 Yo te \x + \xo 3:3 \xo*\xt Am 2:6\xt*\x*twoke yon gason pou yon pwostitiye \q1 ak yon fi yo vann pou diven, \q1 pou yo ta ka bwè.” \b \q1 \v 4 “Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon, \q1 ak tout rejyon a Philistine yo? \q1 Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen? \q1 Men si Mwen pa jwenn rekonpans \q1 byen vit e san delè, \q1 Mwen va fè rekonpans nou an \q1 \x + \xo 3:4 \xo*\xt És 34:8 \xt*\x*retounen sou tèt nou. \q1 \v 5 Akoz nou te \x + \xo 3:5 \xo*\xt II Wa 12:18\xt*\x*pran ajan Mwen \q1 ak lò Mwen, e te mennen bagay \q1 presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo, \q1 \v 6 epi nou te vann \x + \xo 3:6 \xo*\xt Éz 27:13\xt*\x*fis a Juda ak Jérusalem yo \q1 bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo, \q1 \v 7 gade byen, Mwen va \x + \xo 3:7 \xo*\xt És 43:5\xt*\x*fè yo leve soti \q1 nan plas kote nou te vann yo, \q1 pou retounen rekonpans nou an \q1 sou pwòp tèt nou. \q1 \v 8 Anplis, Mwen va \x + \xo 3:8 \xo*\xt És 14:2 \xt*\x*vann fis nou yo \q1 ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo. \q1 Konsa, yo va vann yo bay \x + \xo 3:8 \xo*\xt Job 1:15\xt*\x*Sabeyen yo, \q1 yon nasyon byen lwen,” \q1 paske SENYÈ a fin pale. \b \q1 \v 9 Pwoklame sa pami nasyon yo: \q1 \x + \xo 3:9 \xo*\xt Jr 6:4\xt*\x*“Prepare nou pou fè lagè! \q1 Anime mesye pwisan yo! \q1 Kite tout sòlda yo vin pi pre. \q1 Kite yo monte kote nou. \q1 \v 10 \x + \xo 3:10 \xo*\xt És 2:4\xt*\x*Bat lam cha pou yo fè epe, \q1 ak kwòk rebondaj pou fè lans. \q1 Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’ \q1 \v 11 \x + \xo 3:11 \xo*\xt Éz 38:15,16\xt*\x*Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo. \q1 Rasanble nou ansanm.” \q1 Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo. \q1 \v 12 “Kite nasyon yo leve pwop tèt yo \q1 pou vin monte nan vale Josaphat la; \q1 paske se la Mwen va chita pou jije \q1 tout nasyon ki ozalantou yo.\x + \xo 3:12 \xo*\xt Jl 3:2,14; Sòm 7:6 \xt*\x* \q1 \v 13 \x + \xo 3:13 \xo*\xt Rev 14:14-19 \xt*\x*Fè antre boutdigo rekòlt la, \q1 paske \x + \xo 3:13 \xo*\xt Jr 51:33\xt*\x*rekòlt la vin mi. \q1 Vin mache foule anba pye, \q1 paske pèz diven an vin plen. \q1 Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.” \q1 \v 14 \x + \xo 3:14 \xo*\xt És 34:2-8\xt*\x*Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an! \q1 Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an. \q1 \v 15 \x + \xo 3:15 \xo*\xt Jl 2:10,31\xt*\x*Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, \q1 e zetwal yo va pèdi briyans yo. \q1 \v 16 Senyè a va gwonde soti nan Sion, \q1 e va sone vwa Li soti Jérusalem. \q1 Syèl yo ak tè a va tranble, \q1 men SENYÈ a se yon \x + \xo 3:16 \xo*\xt Sòm 61:3\xt*\x*refij pou pèp Li a, \q1 ak yon \x + \xo 3:16 \xo*\xt Jr 16:9 \xt*\x*sitadèl pou fis Israël yo. \q1 \v 17 Konsa, nou va \x + \xo 3:17 \xo*\xt Jl 2:27 \xt*\x*konnen \q1 ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, \q1 ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an. \q1 Nan lè sa a Jérusalem va sen, \q1 e \x + \xo 3:17 \xo*\xt És 52:1\xt*\x*etranje yo p ap pase ladann ankò. \q1 \v 18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. \q1 Nan kolin yo, se lèt ki va koule; \q1 tout \x + \xo 3:18 \xo*\xt És 30:25 \xt*\x*ravin nan Juda va gen dlo, \q1 epi yon \x + \xo 3:18 \xo*\xt Éz 47:1-12\xt*\x*sous va sòti lakay SENYÈ a \q1 pou awoze vale a Sittim nan. \q1 \v 19 Égypte va vin yon dezè, \q1 Edom va vin yon savann dezole, \q1 akoz \x + \xo 3:19 \xo*\xt Ab 10\xt*\x*vyolans ki te fèt sou fis Israël yo, \q1 akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo. \q1 \v 20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan \q1 e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.\x + \xo 3:20 \xo*\xt Éz 37:25\xt*\x* \q1 \v 21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo, \q1 paske SENYÈ a rete nan Sion.”\x + \xo 3:21 \xo*\xt És 4:4\xt*\x*