\id JDG \ide UTF-8 \h Jij Yo \toc1 JIJ YO \toc2 Jij Yo \toc3 Jij \mt1 JIJ YO \c 1 \p \v 1 Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou \x + \xo 1:1 \xo*\xt Jij 1:27\xt*\x*kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?” \p \v 2 SENYÈ a te reponn: \x + \xo 1:2 \xo*\xt Jen 48:8\xt*\x*“Juda va monte. Veye byen, Mwen te mete peyi a nan men l.” \v 3 Konsa, Juda te di a Siméon, frè li: “Vini avè m nan teren ki te vin tonbe pou mwen an, pou nou kapab goumen kont Kananeyen yo. Epi lè nou retounen, mwen va ale avè w nan teren pa w la.” Konsa Siméon te ale avèk li. \p \v 4 Juda te monte e \x + \xo 1:4 \xo*\xt Sòm 44:2\xt*\x*SENYÈ a te livre Kananeyen yo avèk Ferezyen yo nan men yo. Yo te bat di-mil lòm Bézek. \v 5 Yo te rankontre Adoni Bézek nan Bézek. Yo te goumen kont li, e yo te bat Kananeyen yo avèk Ferezyen yo. \v 6 Men Adoni Bézek te sove ale. Yo te kouri dèyè li pou te kenbe li e yo te koupe pous li avèk gwo zòtèy li. \v 7 Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. \x + \xo 1:7 \xo*\xt Lev 24:19\xt*\x*Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri. \v 8 Alò, fis Juda yo te goumen kont \x + \xo 1:8 \xo*\xt Jos 15:63 \xt*\x*Jérusalem. Yo te kaptire li. Yo te frape li avèk lam nepe e yo te mete dife nan vil la. \p \v 9 Apre, fis a Juda yo te desann pou goumen kont Kananeyen ki te rete nan peyi ti kolin yo ak nan Negev la ak nan ba plèn nan. \v 10 \x + \xo 1:10 \xo*\xt Jos 15:13-19 \xt*\x*Konsa, Juda te ale kont Kananeyen ki te rete Hébron yo (alò, non Hébron avan an se te Kirjath-Arba.) Yo te frape Schéschaï avèk Ahiman ak Talmaï. \p \v 11 \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jos 15:15 \xt*\x* Soti la, li te ale kont sila ki te rete Debir yo. (Alò, non Debir se te Kirjath-Sépher) \v 12 Epi Caleb te di: “Sila ki atake Kirjath-Sépher e ki kaptire li a; a li menm, mwen va bay fi mwen an, Acsa kòm madanm li.” \v 13 \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jij 3:9 \xt*\x*Othniel, fis a Kenaz la, pi jèn frè a Caleb la te kaptire li. Konsa, li te ba li fi li a kòm madanm. \p \v 14 Epi \x + \xo 1:14 \xo*\xt Jos 15:18 \xt*\x*li te vin rive ke lè Acsa te vin kote li, ke li te konvenk li mande papa li yon chan. Li te desann bourik li, e Caleb te di: “Kisa ou vle?” \p \v 15 Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo. \p \v 16 Desandan \x + \xo 1:16 \xo*\xt Nonb 10:29-32 \xt*\x*Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo. \v 17 Konsa, Juda te ale avèk Siméon, frè li a, e yo te frape Kananeyen ki te rete Tsephath yo. Yo te detwi li nèt. Konsa, non a vil la te rele \x + \xo 1:17 \xo*\xt Nonb 21:3 \xt*\x*Horma. \v 18 Anplis, Juda te pran \x + \xo 1:18 \xo*\xt Jos 11:22\xt*\x*Gaza avèk teritwa ki te pou li a, ak Askalon avèk teritwa pa li a, ak Ékron avèk teritwa pa li a. \v 19 Alò SENYÈ a te avèk Juda, e te chase met dèyo tout sa yo ki te viv nan peyi ti kolin yo. Men yo pa t ka chase mete deyò pèp ki te rete nan vale yo, akoz yo te gen \x + \xo 1:19 \xo*\xt Jos 11:22\xt*\x*cha yo ki te fèt an fè. \v 20 Alò, yo te bay Hébron a Caleb, \x + \xo 1:20 \xo*\xt Jos 14:9\xt*\x*jan Moïse te pwomèt yo a; epi li te chase fè sòti twa fis Anak yo. \v 21 Men fis a Benjamin yo pa t chase mete \x + \xo 1:21 \xo*\xt I Kwo 11:4 \xt*\x*Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a. \p \v 22 Menm jan an, lakay Joseph te monte kont Béthel e SENYÈ a te avèk yo. \v 23 Lakay Joseph te fè espyonaj Béthel. \x + \xo 1:23 \xo*\xt Jen 28:19 \xt*\x*Alò, vil sa, avan lè te rele Luz. \v 24 Espyon yo te wè yon nonm ki t ap sòti nan vil la. Yo te di li: “Souple, montre nou kote pou nou antre nan vil la, e \x + \xo 1:24 \xo*\xt Jos 2:12 \xt*\x*nou va fè ou gras.” \v 25 Konsa, li te montre yo antre vil la e yo te frape vil la avèk lam nepe. \x + \xo 1:25 \xo*\xt Jos 6:25 \xt*\x*Men yo te kite mesye sa a, ak tout fanmi li an libète. \v 26 Mesye sila a te antre nan peyi Etyen yo. Li te bati yon vil e te ba li non Luz, epi se konsa li rele jis rive jodi a. \p \v 27 \x + \xo 1:27 \xo*\xt Jos 17:12\xt*\x*Men Manassé pa t pran posesyon Beth-Schean avèk bouk pa li yo, ni Thannac avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Dor yo avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Jibleam yo avèk bouk pa li yo, ni moun ki te rete Meguiddo avèk bouk pa li yo. Konsa, \x + \xo 1:27 \xo*\xt Jij 1:1\xt*\x*Kananeyen yo te kontinye viv nan peyi sa a. \v 28 Li te vin rive ke lè Israël te vin fò, ke yo te fòse Kananeyen yo fè travo fòse, men yo pa t chase yo fè yo sòti nèt. \p \v 29 \x + \xo 1:29 \xo*\xt Jos 16:10 \xt*\x*Éphraïm pa t chase fè sòti Kananeyen ki t ap viv Guézer yo, men Kananeyen yo te viv Guézer pami yo. \v 30 Zabulon pa t chase fè sòti pèp ki te rete Kitron yo, ni pèp ki te rete Nahalol yo. Konsa, Kananeyen yo te rete pami yo e te vin sijè a travo fòse. \v 31 Aser pa t chase mete deyò pèp a Acco yo, ni pèp a Sidon yo, ni sila a Achlal yo, ni a Heba, ni a Aczib, ni a Rehob yo. \v 32 Konsa, Aserit yo te rete pami Kananeyen yo, pèp peyi a. Paske, yo pa t chase mete yo deyò. \v 33 Nephtali pa t chase mete deyò pèp a Beth-Schémesch yo, ni pèp a Beth-anath yo. Men yo te viv pami Kananeyen yo, pèp peyi a, epi pèp peyi Beth-Schémesch avèk Beth-Anath yo te vin fè travo fòse pou yo. \v 34 Konsa, Amoreyen yo te pouse fis a Dan yo antre nan peyi ti kolin yo, epi te anpeche yo antre nan vale a. \v 35 Malgre sa, Amoreyen yo te pèsiste rete nan Mòn Hérès, nan Ajalon ak nan Schaalbim. Men lè pouvwa kay Joseph la te vin fò, yo te oblije fè travo fòse. \v 36 Lizyè a Amoreyen yo te kouri soti nan monte Akrabim nan, soti Séla pou monte piwo. \c 2 \p \v 1 Alò, zanj SENYÈ a te monte soti Guilgal a Bokim. Li te di: \x + \xo 2:1 \xo*\xt Egz 20:2 \xt*\x*“Mwen te mennen nou sòti an Égypte, e Mwen te mennen nou antre nan peyi ke M te sèmante a zansèt nou yo. Epi Mwen te di: \x + \xo 2:1 \xo*\xt Jen 17:7-8\xt*\x*‘Mwen p ap janm kraze akò Mwen avèk nou. \v 2 Konsa, pou nou menm, \x + \xo 2:2 \xo*\xt Egz 23:32 \xt*\x*nou p ap fè okenn akò avèk pèp peyi sila yo. Nou va chire lotèl pa yo.’ Men nou pa t obeyi Mwen. Kisa sa ye ke nou fè la a? \v 3 Pou sa, Mwen te di anplis, ‘Mwen p ap pouse yo sòti devan nou, men yo va devni tankou zepin akote nou e dye pa yo va vin yon pèlen pou nou.’” \p \v 4 Lè zanj SENYÈ a te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve vwa pa yo pou te kriye. \p \v 5 Pou sa, yo te bay plas sa non Bokim, epi la, yo te fè sakrifis bay SENYÈ a. \v 6 \x + \xo 2:6 \xo*\xt Jos 24:28-31\xt*\x*Lè Josué te fin fè pèp la ale, fis Israël yo te ale yo chak nan pwòp eritaj pa yo pou posede teren an. \v 7 Pèp la te sèvi Josué pandan tout jou a Josué yo e tout jou a ansyen ki te sèvi Josué yo, ki te wè tout gran zèv SENYÈ a te fè pou Israël yo. \p \v 8 Epi Josué, fis a Nun nan, Sèvitè SENYÈ a, te mouri nan laj san-dis ane. \v 9 Yo te antere li nan teritwa \x + \xo 2:9 \xo*\xt Jos 19:49\xt*\x*eritaj pa li, nan Thimnath-Hérès nan peyi ti kolin Éphraïm yo, vè nò a Mòn Gaasch. \v 10 Tout jenerasyon sila a, osi, te vin ranmase vè zansèt pa yo. Konsa, te vin leve yon lòt jenerasyon apre yo ki \x + \xo 2:10 \xo*\xt Egz 5:2 \xt*\x*pa t rekonèt SENYÈ a, ni nonplis zèv ke Li te fè pou Israël yo. \v 11 Alò, fis Israël yo te fè \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jij 3:7-12 \xt*\x*mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo. \v 12 \x + \xo 2:12 \xo*\xt Det 31:16\xt*\x*Yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo sòti nan peyi Égypte la pou te swiv lòt dye yo, soti nan dye a pèp ki te antoure yo. Yo te bese yo ba devan yo. Konsa, yo te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. \v 13 Yo te abandone SENYÈ a pou te \x + \xo 2:13 \xo*\xt Jij 10:6\xt*\x*sèvi Baal avèk Astarté yo. \v 14 \x + \xo 2:14 \xo*\xt Det 31:17\xt*\x*Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo. \v 15 Nenpòt kote ke yo te ale, men SENYÈ a te kont yo pou mal, jan SENYÈ a te pale yo a, jan Li \x + \xo 2:15 \xo*\xt Lev 26:14-39\xt*\x*te sèmante a yo a. Konsa, vrèman yo te vin gen gwo pwoblem. \v 16 \x + \xo 2:16 \xo*\xt Sòm 106:43-45\xt*\x*Alò, SENYÈ a te fè leve jij ki te livre yo soti nan men a sila ki t ap piyaje yo. \v 17 Malgre sa, yo pa t koute jij yo, paske yo te fè pwostitiye dèyè lòt dye yo, e te bese yo ba anvè yo. Yo te vire akote byen vit soti nan chemen an \x + \xo 2:17 \xo*\xt Jij 2:7\xt*\x*nan sila zansèt yo te mache ak obeyisans lòd a SENYÈ yo. Yo pa t fè tankou yo. \v 18 Lè SENYÈ a te kon fè leve yon jij pou yo, \x + \xo 2:18 \xo*\xt Jos 1:5 \xt*\x*SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou yo a jij la. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo. \v 19 Men li te kòn rive ke nan lè jij la vin mouri, yo ta vire tounen pou aji pi konwonpi pase zansèt yo. Yo te swiv lòt dye yo pou sèvi yo, e bese ba devan yo. Yo pa t janm abandone zèv sila yo, ni chemen tèt mato yo. \v 20 \x + \xo 2:20 \xo*\xt Jij 2:14 \xt*\x*Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te di: “Akoz nasyon sa a te transgrese akò ke Mwen te kòmande zansèt yo, e pa t koute vwa M, \v 21 \x + \xo 2:21 \xo*\xt Jos 23:4-13\xt*\x*Mwen menm tou, Mwen va sispann chase devan yo, okenn nan nasyon ke Josué te kite la lè l te mouri yo, \v 22 pou pase Israël \x + \xo 2:22 \xo*\xt Det 8:2\xt*\x*a leprèv pa yo menm, pou wè si yo va kenbe chemen a SENYÈ a pou mache ladann jan zansèt pa yo te fè a oswa non.” \v 23 Konsa SENYÈ a te pèmèt ke nasyon sa yo rete pami yo, e pa t pouse yo sòti vit. Li pa t livre yo nan men Josué. \c 3 \p \v 1 \x + \xo 3:1 \xo*\xt Jij 1:1\xt*\x*Alò, sila yo se nasyon ke SENYÈ a te kite pou sèvi kòm eprèv pou Israëlit yo ki potko konn fè lagè avèk Kananeyen yo. \v 2 Konsa li ta rive ke jenerasyon a fis Israël ki pa t kon fè lagè, ta kapab enstwi. \v 3 Nasyon sa yo se: senk prens nan nasyon Filisten yo, tout Kananeyen yo, Sidonyen yo ak \x + \xo 3:3 \xo*\xt Jos 9:7 \xt*\x*Evyen ki te rete nan Mòn Liban yo, soti nan Mòn Baal-Hermon, jis rive nan Lebo-Hamath. \v 4 Yo te pou \x + \xo 3:4 \xo*\xt Det 8:2 \xt*\x*pase a leprèv Israël, pou dekouvri si yo ta obeyi kòmand ke SENYÈ a te kòmande zansèt yo pa Moïse. \v 5 \x + \xo 3:5 \xo*\xt Sòm 106:35\xt*\x*Fis Israël yo te rete pami Kananeyen yo, Etyen ak Jebizyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo ak Evyen yo. \v 6 \x + \xo 3:6 \xo*\xt Egz 34:15-16\xt*\x*Yo te pran fi pa yo pou yo menm kòm madanm, yo te bay pwòp fi yo a fis pa yo, e yo te sèvi dye pa yo. \v 7 Fis Israël yo te fè sa \x + \xo 3:7 \xo*\xt Jij 2:11\xt*\x*ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo. \v 8 Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane. \p \v 9 Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, \x + \xo 3:9 \xo*\xt Jij 1:13\xt*\x*Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la. \v 10 \x + \xo 3:10 \xo*\xt Nonb 11:25-29\xt*\x*Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm. \v 11 Alò, peyi a te vin gen repo pandan karant ane, men Othniel, fis a Kenaz la, te vin mouri. \p \v 12 Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, \x + \xo 3:12 \xo*\xt Jij 2:14\xt*\x*SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a. \v 13 Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede \x + \xo 3:13 \xo*\xt Det 34:3\xt*\x*vil pye palmis yo. \v 14 Fis Israël yo te sèvi Églon, wa Moab la, pandan dizuit ane. \p \v 15 Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la. \v 16 Éhud te fè pou kont li yon nepe avèk lam file de bò, yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li. \v 17 Li te prezante kòb angajman an bay Églon, wa Moab la. Alò, Églon te yon mesye byen gra. \v 18 Li te vin rive ke lè li te fin prezante kòb la, li te fè moun pa l yo ki te pote don an sòti. \v 19 Men li menm te vire sòti kote zidòl ki te Guilgal yo, e te di: “Mwen gen yon mesaj sekrè pou ba ou, O Wa.” Epi li menm wa a te di: “Rete an silans.” Epi tout sila ki te sèvi li yo te pati. \v 20 Éhud te vin vè li pandan li te chita sèl nan chanm twati fre li a. Epi Éhud te di li: “Mwen gen yon mesaj ki sòti nan Bondye pou ou.” Li te leve sou chèz li a. \v 21 Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li. \v 22 Manch lan osi te antre anndan l apre lam nan e grès te vin kouvri sou lam nan; paske li pa t retire nepe a sòti nan vant li e salte vant lan te vin sòti ladann. \v 23 Alò, Éhud te sòti sou galeri gran chanm nan, te fèmen pòt a chanm twati dèyè li yo, e li te kadnase yo. \p \v 24 Lè l te fin sòti, sèvitè li yo te vin gade; epi vwala, pòt a chanm twati yo te kadnase. Konsa yo te di: \x + \xo 3:24 \xo*\xt I Sam 24:3\xt*\x*“L ap sèlman okipe bezwen li nan chanm fre a.” \v 25 Yo te tann jiskaske yo te vin twouble, men gade byen, li pa t vin ouvri pòt a chanm twati la. Pou sa, yo te pran kle a pou te louvri yo, epi gade byen, mèt yo a te tonbe atè a mouri nèt. \v 26 Alò, Éhud te chape pandan yo te mize a. Li te pase kote zidòl yo e te chape rive Seïra. \v 27 Li te vin rive ke lè li te parèt, \x + \xo 3:27 \xo*\xt Jij 6:34\xt*\x*li te soufle twonpèt peyi ti kolin Éphraïm yo. Konsa, fis Israël yo te vin desann avè l soti nan peyi ti kolin yo, e li menm te ale devan yo. \v 28 Li te di yo: “Kouri dèyè yo, paske SENYÈ a gen tan livre lènmi nou yo, Moabit yo, nan men nou.” Epi yo te desann dèyè yo pou te sezi yo \x + \xo 3:28 \xo*\xt Jij 7:24\xt*\x*kote Jourdain ki anfas Moab la, e yo pa t kite pèsòn janbe. \v 29 Yo te frape fè tonbe nan tan sa a anviwon di-mil Moabit. Yo tout te gason vanyan e fò. Nanpwen ki te chape. \v 30 Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane. \p \v 31 Apre li te vin \x + \xo 3:31 \xo*\xt Jij 5:6 \xt*\x*Schamgar, fis a Anath la, ki te frape fè tonbe sis-san Filisten avèk yon baton ki pou pouse bèf kabwa. Li menm tou te libere Israël. \c 4 \p \v 1 Alò, \x + \xo 4:1 \xo*\xt Jij 2:19\xt*\x*fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri. \v 2 Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a \x + \xo 4:2 \xo*\xt Jos 11:1-10\xt*\x*Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm. \v 3 Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san \x + \xo 4:3 \xo*\xt Jij 1:19\xt*\x*cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan. \v 4 Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a. \v 5 Li te konn chita anba \x + \xo 4:5 \xo*\xt Jen 35:8\xt*\x*pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te kon vin vè li pou l fè jijman. \v 6 Alò, li te voye kòmande \x + \xo 4:6 \xo*\xt Eb 11:32\xt*\x*Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo. \v 7 Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e \x + \xo 4:7 \xo*\xt Sòm 83:9\xt*\x*mwen va mete li nan men ou.” \v 8 Alò, Barak te di li: “Si ou prale avèk mwen, alò, m ap prale, men si ou pa prale avè m, mwen pa p prale.” \p \v 9 Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jij 4:21\xt*\x*paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch. \v 10 Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte \x + \xo 4:10 \xo*\xt Jij 4:14\xt*\x*avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li. \v 11 Alò, Héber, \x + \xo 4:11 \xo*\xt Jij 1:16\xt*\x*Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la. \v 12 Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor. \v 13 Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan \x + \xo 4:13 \xo*\xt Jij 4:2\xt*\x*Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon. \v 14 Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, \x + \xo 4:14 \xo*\xt Det 9:3\xt*\x*SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li. \v 15 \x + \xo 4:15 \xo*\xt Det 7:23\xt*\x*SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye. \v 16 Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. \x + \xo 4:16 \xo*\xt Egz 14:28\xt*\x*Nanpwen youn ki te rete. \v 17 Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an. \p \v 18 Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan, e li te kouvri li avèk yon tapi. \p \v 19 \x + \xo 4:19 \xo*\xt Jij 5:24-27\xt*\x*Li te di li: “Souple, ban mwen yon ti dlo pou m bwè; paske mwen swaf.” Konsa, li te ouvri yon boutèy lèt pou te bay li bwè ladann, epi li te kouvri li. \v 20 Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’” \p \v 21 Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri. \p \v 22 Epi veye byen, pandan Barak t ap kouri dèyè Sisera, Jaël te parèt deyò e te di l: “Vini pou mwen montre ou nonm ke w ap chache a.” Epi li te antre avèk li. Vwala, Sisera te kouche la mouri nèt avèk pikèt tant lan nan fon li. \p \v 23 Konsa, \x + \xo 4:23 \xo*\xt Né 9:24\xt*\x*Bondye te imilye, nan jou sa a, Jabin, wa Kananeyen an, devan fis Israël yo. \v 24 Men lan a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an. \c 5 \p \v 1 \x + \xo 5:1 \xo*\xt Egz 15:1\xt*\x*Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di: \q1 \v 2 \x + \xo 5:2 \xo*\xt Jij 5:9\xt*\x*“Akoz chèf yo te dirije Israël, \q1 akoz \x + \xo 5:2 \xo*\xt Sòm 110:3\xt*\x*pèp la te pran desizyon, \q1 beni SENYÈ a! \b \q1 \v 3 “Tande O wa yo! \q1 Bay zòrèy nou, O gran chèf yo! \q1 \x + \xo 5:3 \xo*\xt Sòm 27:6\xt*\x*Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante. \q1 Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la. \b \q1 \v 4 “SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, \q1 lè Ou te mache soti nan chan Édom an, \q1 \x + \xo 5:4 \xo*\xt Sòm 68:8-9 \xt*\x*tè a te tranble e syèl la te fonn, \q1 menm nwaj yo te degoute dlo. \q1 \v 5 \x + \xo 5:5 \xo*\xt Egz 19:18 \xt*\x*Mòn yo te souke devan prezans SENYÈ a, \q1 Sinai sila a, devan prezans SENYÈ a, Bondye a Israël la. \q1 \v 6 “Nan jou a \x + \xo 5:6 \xo*\xt Jij 3:31 \xt*\x*Schamgar a, fis a Anath la, \q1 nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone, \q1 e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen. \q1 \v 7 Aktivite abitan yo te sispann. \q1 Yo te sispann an Israël, \q1 jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve. \q1 Jiskaske m te leve, yon manman an Israël. \q1 \v 8 \x + \xo 5:8 \xo*\xt Det 32:17\xt*\x*Yo te pito dye nèf yo. \q1 Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo. \q1 Èske gen lans, èske gen nepe, \q1 pami karant-mil lòm an Israël yo? \q1 \v 9 Kè m apiye vè \x + \xo 5:9 \xo*\xt Jij 5:2\xt*\x*chèf Israël yo, \q1 mesye ki parèt ak bon volonte pami pèp la. \q1 Beni SENYÈ a! \q1 \v 10 \x + \xo 5:10 \xo*\xt Jij 10:4 \xt*\x*“Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo, \q1 nou menm ki chita sou tapi chè yo, \q1 ak nou menm ki vwayaje sou wout la. \q1 \v 11 Lwen bwi achè yo, \q1 nan \x + \xo 5:11 \xo*\xt Jen 24:11 \xt*\x*kote y ap rale dlo, \q1 la yo va rakonte \x + \xo 5:11 \xo*\xt I Sam 12:7\xt*\x*zèv ladwati a SENYÈ a, \q1 zèv ladwati pou moun li yo an Israël. \q1 “Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo. \q1 \v 12 \x + \xo 5:12 \xo*\xt Sòm 57:8 \xt*\x* ‘Leve, leve, Débora! \q1 Leve, leve, chante yon chan! \q1 Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’ \q1 \v 13 “Retay prens yo ak chèf yo te desann. \q1 SENYÈ a te desann pou mwen kont pwisant yo. \q1 \v 14 Sila yo rasinen \x + \xo 5:14 \xo*\xt Jij 12:15\xt*\x*nan Amalek te soti nan Epharïm. \q1 Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a. \q1 Soti nan Makir, kòmandan yo te desann. \q1 E soti nan Zabulon, \q1 sila ki voye baton pouvwa yo. \q1 \v 15 Prens Issacar yo te avèk Débora. \q1 Tankou Issacar, konsa Barak. \q1 Nan vale a, yo te plonje \x + \xo 5:15 \xo*\xt Jij 4:10\xt*\x*dèyè talon li. \q1 Akote kous dlo Ruben yo, yo te pran desizyon. \q1 \v 16 Poukisa nou chita pami \x + \xo 5:16 \xo*\xt Nonb 32:1-36\xt*\x*pak mouton yo \q1 pou tande kri a bann mouton yo? \q1 Akote kous dlo Ruben yo, te gen kè \q1 ki manke pran desizyon. \q1 \v 17 \x + \xo 5:17 \xo*\xt Jos 22:9\xt*\x*Galaad te rete lòtbò Jourdain an. \q1 Poukisa Dan te rete nan bato yo? \q1 Ak Aser ki chita bòdmè a akote ti flèv yo? \q1 \v 18 Men \x + \xo 5:18 \xo*\xt Jij 4:6-10 \xt*\x*Zabulon, yon pèp ki pa t \q1 konsidere lavi yo jiska devan lanmò; \q1 ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an. \b \q1 \v 19 “Wa yo te parèt. Yo te goumen; \q1 wa Kananeyen yo te goumen \x + \xo 5:19 \xo*\xt Jij 1:27 \xt*\x*kote Thaanac, \q1 toupre dlo a Méguiddo yo. \q1 \x + \xo 5:19 \xo*\xt Jij 5:30\xt*\x*Yo pa t pran piyaj an ajan. \q1 \v 20 \x + \xo 5:20 \xo*\xt Jos 10:12-14\xt*\x*Zetwal yo te goumen soti nan syèl la, \q1 soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera. \q1 \v 21 Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale, \q1 ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an. \q1 O nanm mwen mache avanse ak fòs. \q1 \v 22 \x + \xo 5:22 \xo*\xt Job 39:19-25\xt*\x*Epi zago cheval yo te bat akoz kous la; \q1 kous a tout gwo zago pwisan sa yo. \q1 \v 23 ‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a! \q1 Modi pèp ki rete la a nèt, \q1 \x + \xo 5:23 \xo*\xt Jij 5:13\xt*\x*akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisant yo.’ \q1 \v 24 \x + \xo 5:24 \xo*\xt Jij 4:19-21\xt*\x*“Beni pase tout fanm yo se Jaël, \q1 madanm Héber a, Kenyen an. \q1 Se pi beni li ye pase tout fanm nan tant lan. \q1 \v 25 Li te mande dlo; li te ba li lèt. \q1 Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo. \q1 \v 26 Li te lonje men li pou pran pikèt la, \q1 men dwat la pou mato ouvriye a. \q1 Konsa, li te frape Sisera. \q1 Li te kraze tèt li. \q1 Wi, li te kraze fwontèn tèt li a. \q1 \v 27 Antre janm li yo, li te tonbe. \q1 La, li kouche. \q1 Kote gason an te bese a, \q1 la, li te tonbe mò. \b \q1 \v 28 “Deyò fenèt la, fi a te gade byen twouble: \q1 Manman Sisera te gade anndan treyi a. \q1 ‘Poukisa cha l a fè reta konsa? \q1 Poukisa nou poko tande bwi la \q1 a pye cheval cha li yo, \q1 k ap frape tè a pou l rive?’ \q1 \v 29 Demwazèl saj li yo tap reponn li; \q1 Anverite, li menm te repete pawòl yo nan pwòp tèt li \q1 \v 30 \x + \xo 5:30 \xo*\xt Egz 15:9\xt*\x*‘Èske se pa ke yo te jwenn, \q1 ke y ap divize piyaj la? \q1 Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye; \q1 pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse, \q1 piyaj a yon twal anbeli trese byen fen; \q1 yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’ \b \q1 \v 31 \x + \xo 5:31 \xo*\xt Sòm 66:2\xt*\x*“Se konsa pou kite tout lènmi \q1 Ou yo peri, O SENYÈ, \q1 men ke sila ki renmen Li yo \q1 vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” \p Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane. \c 6 \p \v 1 Epi fis Israël yo \x + \xo 6:1 \xo*\xt Jij 2:11\xt*\x*te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane. \v 2 Pouvwa Madian nan te domine kont Israël. Akoz Madian, fis Israël yo te fè pou yo menm \x + \xo 6:2 \xo*\xt I Sam 13:6\xt*\x*kavo ki te nan mòn ak gwòt avèk sitadèl avèk wòch. \v 3 Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo. \v 4 Konsa, yo te fè kan kont yo, \x + \xo 6:4 \xo*\xt Lev 26:16\xt*\x*detwi tout pwodwi tè a jis rive Gaza, e \x + \xo 6:4 \xo*\xt Det 28:31\xt*\x*pa t kite anyen pou manje an Israël, ni mouton, bèf, ni bourik. \v 5 Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou \x + \xo 6:5 \xo*\xt Jij 7:12\xt*\x*krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li. \v 6 Konsa, Israël te \x + \xo 6:6 \xo*\xt Det 28:43\xt*\x*desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a. \p \v 7 Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian, \v 8 ke SENYÈ a te voye yon pwofèt bay fis Israël yo. \x + \xo 6:8 \xo*\xt Jij 2:1-2\xt*\x*Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Israël la ‘Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti an Egypte e te mennen nou sòti nan kay esklavaj la. \v 9 Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo. \v 10 Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. \x + \xo 6:10 \xo*\xt II Wa 17:35\xt*\x*Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’” \p \v 11 Alò \x + \xo 6:11 \xo*\xt Jij 2:1\xt*\x*zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, \x + \xo 6:11 \xo*\xt Eb 11:32\xt*\x*Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo. \v 12 Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”. \v 13 Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, \x + \xo 6:13 \xo*\xt Jij 6:1\xt*\x*si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.” \p \v 14 SENYÈ a te gade li e te di: \x + \xo 6:14 \xo*\xt Eb 11:32-34\xt*\x*“Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?” \p \v 15 \x + \xo 6:15 \xo*\xt Egz 3:11\xt*\x*Li te di Li: “O SENYÈ, kijan mwen kapab delivre Israël? Gade byen, fanmi mwen, se pi piti a nan \x + \xo 6:15 \xo*\xt Jij 6:11\xt*\x*Manassé e Mwen se pi piti a lakay papa m.” \p \v 16 \x + \xo 6:16 \xo*\xt Egz 3:12\xt*\x*Men SENYÈ a te di li: “Anverite, Mwen va avèk ou e ou va genyen Madian tankou yon sèl gason.” \p \v 17 Konsa Gédéon te di Li: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye Ou; alò, montre mwen \x + \xo 6:17 \xo*\xt Jij 6:37 \xt*\x*yon sign ke se Ou menm ki pale avè m. \v 18 Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.” \p Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.” \p \v 19 Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te \x + \xo 6:19 \xo*\xt Jen 18:6-8\xt*\x*prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo. \p \v 20 Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.” \p Epi konsa li te fè. \v 21 Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi \x + \xo 6:21 \xo*\xt Lev 9:24\xt*\x*dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li. \p \v 22 \x + \xo 6:22 \xo*\xt Jen 32:30\xt*\x*Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.” \p \v 23 Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.” \p \v 24 Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la \x + \xo 6:24 \xo*\xt Jij 8:22\xt*\x*nan Ophra a Abizerit yo. \p \v 25 Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto \x + \xo 6:25 \xo*\xt Egz 34:13\xt*\x*Astarté ki akote li a. \v 26 Epi bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye ou an, sou tèt fotrès sila nan yon jan ki an lòd. Epi pran yon lòt towo e ofri li avèk bwa ki te nan poto Astarat ke ou va koupe mete atè a.” \p \v 27 Alò, Gédéon te pran dis mesye nan sèvitè li yo, e li te fè jan SENYÈ a te pale li a. Epi akoz li te pè lakay papa li ak mesye lavil yo, li pa t fè l nan lajounen, men pandan lannwit. \p \v 28 Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati. \v 29 Yo te di a youn lòt: “Se kilès ki te fè bagay sa a?” \p Lè yo fè ankèt pou mande, yo te di: “Gédéon, fis a Joas la te fè bagay sa a.” \p \v 30 Alò, mesye lavil yo te di a Joas: “Mennen fis ou a sòti pou l mouri, paske li te chire lotèl Baal la e anverite, li gen tan koupe mete atè poto Astarté ki te akote li a.” \v 31 Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.” \p \v 32 Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non \x + \xo 6:32 \xo*\xt Jij 7:1\xt*\x*Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.” \p \v 33 Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan \x + \xo 6:33 \xo*\xt Jos 17:16\xt*\x*vale Jizréel la. \v 34 Konsa, \x + \xo 6:34 \xo*\xt Jij 3:10\xt*\x*Lespri SENYÈ a te vin sou Gédéon, epi li te soufle twonpèt la, epi Abizerit yo te rele ansanm pou swiv li. \v 35 Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rasanble ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou \x + \xo 6:35 \xo*\xt Jij 7:3\xt*\x*yo te vin monte, rankontre ak yo. \p \v 36 Gédéon te di a Bondye: \x + \xo 6:36 \xo*\xt Jij 6:14-17\xt*\x*“Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a, \v 37 gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.” \p \v 38 Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo. \p \v 39 Alò, Gédéon te di a Bondye: \x + \xo 6:39 \xo*\xt Jen 18:32\xt*\x*“Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.” \v 40 Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a. \c 7 \p \v 1 Epi \x + \xo 7:1 \xo*\xt Jij 6:32\xt*\x*Jerubbaal (sa vle di Gédéon) avèk tout pèp ki te avèk li a te leve granmmaten e te fè kan an kote sous Harod la. Kan Madian an te vè nò de yo menm, akote ti mòn Moreh nan vale a. \v 2 SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la ki avèk ou a twòp pou M ta delivre Madian nan men yo, \x + \xo 7:2 \xo*\xt Det 8:17-18\xt*\x*paske Israël ta vin ògeye, e di: ‘Se pouvwa mwen ki delivre mwen.’ \v 3 Pou sa, vin pwoklame nan zòrèy a tout pèp la, e di: \x + \xo 7:3 \xo*\xt Det 20:8\xt*\x*‘Nenpòt moun ki gen lakrent e k ap tranble, ke li retounen sòti nan Mòn Galaad.’” Konsa, venn-de-mil moun te retounen; men te gen di-mil moun ki te rete. \p \v 4 \x + \xo 7:4 \xo*\xt I Sam 14:6\xt*\x*Alò, SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la twòp toujou. Mennen yo desann kote dlo a, e Mwen va pase yo a leprèv pou ou la. Konsa li va ye ke si M di ou: ‘Sila a prale avè w’, l ap prale; men a tout sila ke M di w: ‘Sila a pa prale’, li pa prale.” \v 5 Konsa, li te mennen pèp la desann vè dlo a. Epi SENYÈ a te di a Gédéon: “Ou va separe tout sila ki lape dlo a avèk lang yo tankou chen ak, anplis sila ki mete kò l ajenou pou bwè yo.” \v 6 Alò, kantite a sila ki te lape dlo a, ki pa rale l nan men yo pou rive nan bouch yo se te twa-san lòm, e rès yo te mete yo ajenou pou bwè. \v 7 SENYÈ a te di a Gédéon: “Mwen va delivre nou \x + \xo 7:7 \xo*\xt I Sam 14:6\xt*\x*avèk twa-san lòm sila ki te lape dlo yo e yo va mete Madyanit yo nan men nou. Pou sa, kite tout lòt moun yo ale, tout moun rive lakay yo.” \v 8 Konsa, twa-san lòm te pran pwovizyon a pèp la, avèk twonpèt pa yo nan men yo. Epi Gédéon te voye tout lòt mesye Israël yo chak nan pwòp tant pa yo, men te kenbe twa-san mesyè yo. Kan Madian an te anba nan vale a. \v 9 Alò, menm nwit lan, li te vin rive ke SENYÈ a te vin di li: “Leve, desann nan kan an, \x + \xo 7:9 \xo*\xt Jos 2:24\xt*\x*paske mwen te livre li nan men ou. \v 10 Men si ou pè desann, ale avèk Pura, sèvitè ou a, anba nan kan an. \v 11 Ou va tande kisa yo di: \x + \xo 7:11 \xo*\xt Jij 7:15\xt*\x*apre sa, men w ap vin fò pou ou kapab desann kont kan an.” Konsa, li te ale avèk Pura, sèvitè li a, anba kote avan-gad a lame ki te nan kan yo. \p \v 12 Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te \x + \xo 7:12 \xo*\xt Jij 6:5\xt*\x*plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an \x + \xo 7:12 \xo*\xt Jos 11:4\xt*\x*gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a. \p \v 13 Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Li t ap di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an. Li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e, konsa, li te vire l tèt anba pou l kouche plat.” \p \v 14 Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm de Israël. Bondye te mete Madian avèk tout kan an \x + \xo 7:14 \xo*\xt Jos 2:9\xt*\x*nan men li.” \p \v 15 Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese an adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la, e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.” \p \v 16 Li te divize twa-san lòm yo an twa konpayi, e li te mete twonpèt yo avèk krich vid yo nan men yo tout, avèk tòch yo anndan krich yo. \p \v 17 Li te di yo: “Gade mwen, e fè menm bagay la. Epi veye byen, lè m rive kote bò kan an, fè menm sa ke m fè a. \v 18 Lè mwen avèk tout sila ki avè m yo soufle twonpèt la, alò, nou, osi, nou va soufle twonpèt yo toutotou kan an, e nou va di: ‘Pou SENYÈ a e pou Gédéon.’” \p \v 19 Konsa, Gédéon avèk san mesyè ki te avèk li yo te rive bò kan an, nan kòmansman premye ve a, lè yo te fenk plase gad yo. Konsa, yo te soufle twonpèt la e te kraze krich ki te nan men yo. \v 20 Lè twa konpayi yo te soufle twonpèt yo e kraze krich yo, yo te kenbe tòch yo nan men goch avèk twonpèt yo nan men dwat pou soufle, e yo te kriye fò: “Yon nepe pou SENYÈ a ak pou Gédéon!” \v 21 Tout moun te kanpe nan plas li ki te antoure kan an, epi \x + \xo 7:21 \xo*\xt II Wa 7:7 \xt*\x*tout lame a te sove ale. Yo te kriye fò e yo te pran flit. \v 22 Lè yo te soufle twa-san twonpèt yo, \x + \xo 7:22 \xo*\xt I Sam 14:20\xt*\x*SENYÈ a te mete nepe a youn kont lòt e kont tout lanmè a nèt. Konsa, lame a te sove ale jis rive nan Beth-Schitta anvè Tseréra, jis rive nan Abel-Mehola akote Tabath. \v 23 Mesye Israël yo te rasanble sòti jis \x + \xo 7:23 \xo*\xt Jij 6:35\xt*\x*Nephtali avèk Aser ak tout Manassé, epi yo te kouri dèyè Madian. \v 24 Gédéon te voye mesaje toupatou nan peyi ti kolin Éphraïm yo. Li te di: “Vin desann kont Madian e \x + \xo 7:24 \xo*\xt Jij 3:28\xt*\x*pran dlo devan yo jis rive nan Beth-Bara avèk rivyè Jourdain an!” \v 25 Yo te kaptire de chèf dirijan a Madian yo, \x + \xo 7:25 \xo*\xt Sòm 83:11\xt*\x*Oreb avèk Zeeb. Yo te touye Oreb nan wòch Oreb la, e yo te touye Zeeb nan pez divin Zeeb la, pandan yo t ap kouri dèyè Madian. Konsa, yo te pote tèt a Oreb avèk Zeeb bay Gédéon soti lòtbò Jourdain an. \c 8 \p \v 1 Alò, mesye Éphraïm yo te di li: \x + \xo 8:1 \xo*\xt Jij 12:1\xt*\x*“Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd. \v 2 Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vrè ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a? \v 3 Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men ou menm. Epi kisa mwen te reyisi fè ki konpare avèk nou?” Alò, chalè kòlè kont li te bese lè li te di sa a. \p \v 4 Konsa, Gédéon avèk twa-san lòm ki te avè l yo te rive \x + \xo 8:4 \xo*\xt Jij 7:25\xt*\x*nan Jourdain an e te travèse l. Yo te byen fatige, men toujou t ap kouri dèyè yo. \v 5 Li te di a mesye \x + \xo 8:5 \xo*\xt Jen 33:17\xt*\x*Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.” \p \v 6 Chèf Succoth yo te di: \x + \xo 8:6 \xo*\xt Jij 8:15\xt*\x*“Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?” \p \v 7 Gédéon te di: “Trè byen, \x + \xo 8:7 \xo*\xt Jij 7:15\xt*\x*lè SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan.” \p \v 8 Li te monte soti la nan \x + \xo 8:8 \xo*\xt Jen 32:31\xt*\x*Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan. \v 9 Konsa, li te pale osi avèk mesye Penuel yo, e li te di: \x + \xo 8:9 \xo*\xt Jij 8:17\xt*\x*“Lè m retounen an bon eta, m ap chire fò sa a.” \p \v 10 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; \x + \xo 8:10 \xo*\xt Jij 6:5\xt*\x*paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe. \v 11 Gédéon te monte pa chemen a sila ki te rete nan tant yo sou lès a Nobach avèk Jogbeha, e te atake lame a an lè yo pa t sispèk anyen. \v 12 Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout. \v 13 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la. \v 14 Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succot yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm. \v 15 Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: \x + \xo 8:15 \xo*\xt Jij 8:6\xt*\x*‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’” \v 16 Li te pran ansyen lavil Succoth yo, e avèk pikan ak chadwon savann, li te enstwi yo. \v 17 \x + \xo 8:17 \xo*\xt Jij 8:9\xt*\x*Li te chire fò Penuel la e te touye mesye lavil yo. \p \v 18 Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?” \p Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.” \p \v 19 Li te di: “Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou.” \p \v 20 Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: “Leve touye yo.” Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te pè, paske li te toujou jèn. \p \v 21 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” \x + \xo 8:21 \xo*\xt Sòm 83:11\xt*\x*Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo. \p \v 22 Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.” \p \v 23 Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se \x + \xo 8:23 \xo*\xt I Sam 8:7\xt*\x*SENYÈ a k ap renye sou nou.” \v 24 Men Gédéon te di yo: “Mwen ta fè yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo.” (Paske yo te gen zanno an lò, akoz se te \x + \xo 8:24 \xo*\xt Jen 25:13-16 \xt*\x*Izmayelit ke yo te ye.) \p \v 25 Yo te di: “Anverite, n ap bay yo.” Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo. \v 26 Pèz a zanno lò sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo. \v 27 Gédéon te sèvi l pou fòme \x + \xo 8:27 \xo*\xt Egz 28:6-35\xt*\x*yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li. \p \v 28 Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo. \p \v 29 Alò, \x + \xo 8:29 \xo*\xt Jij 7:1\xt*\x*Jerubbaal, fis a Joas la te ale rete nan pwòp kay li. \v 30 Gédéon te gen \x + \xo 8:30 \xo*\xt Jij 9:2-9 \xt*\x*swasann-dis fis ki te desandan dirèk pa li, paske li te gen anpil madanm. \v 31 Mennaj li ki te nan Sichem, osi te fè yon fis pou li e li te bay li non Abimélec. \v 32 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo. \p \v 33 Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, \x + \xo 8:33 \xo*\xt Jij 2:11-12\xt*\x* fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo. \v 34 Konsa, fis Israël yo \x + \xo 8:34 \xo*\xt Det 4:9\xt*\x* pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote. \v 35 \x + \xo 8:35 \xo*\xt Jij 9:16-18\xt*\x*Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te fè pou Israël yo. \c 9 \p \v 1 Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di: \v 2 “Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke \x + \xo 9:2 \xo*\xt Jen 29:14\xt*\x*mwen se zo nou ak chè nou.” \p \v 3 Fanmi li yo te pale tout pawòl sila yo pou li menm kote pou tout chèf Sichem yo tande. Kè yo te apye vè Abimélec, akoz yo te di: “Li se \x + \xo 9:3 \xo*\xt Jen 29:15\xt*\x*fanmi nou.” \v 4 Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay \x + \xo 9:4 \xo*\xt Jij 8:33\xt*\x*Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li. \v 5 Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te \x + \xo 9:5 \xo*\xt II Wa 11:1-2 \xt*\x*touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li. \v 6 Tout mesye a Sichem yo avèk tout Beth-Millo yo te rasanble ansanm pou yo te ale fè Abimélec wa kote bwadchenn nan akote pilye ki te Sichem nan. \v 7 Alò, lè yo te di Jotham sa, li te ale kanpe sou tèt \x + \xo 9:7 \xo*\xt Det 11:29-30\xt*\x*Mòn Garizim nan. Li te leve vwa li pou rele fò Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O mesye Sichem yo, pou Bondye kapab tande nou. \v 8 Yon fwa pyebwa yo te ale pou onksyone yon wa sou yo. Yo te di a bwa doliv la: ‘Vin renye sou nou!’ \p \v 9 “Men oliv la te di yo: ‘Èske mwen ta kite tout grès mwen, ke ni Bondye ni lèzòm onore, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo? \p \v 10 “Epi bwa yo te di a pye fig la: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’ \p \v 11 “Men pye fig la te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite dousè mwen ak bon fwi mwen, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?’ \p \v 12 “Epi bwa te di a pye rezen an: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’ \p \v 13 “Men pye rezen an te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite diven nèf mwen ki fè kè Bondye ak kè lezòm kontan, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa?’ \p \v 14 “An dènye, tout bwa yo te di a raje pikan yo: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’ \p \v 15 “Epi raje pikan yo te di a bwa yo: ‘Si anverite w ap onksyone mwen kòm wa sou nou, vin pwoteje nou menm anba lonbraj mwen. Men si se pa sa, kite dife a sòti nan raje pikan an pou brile nèt tout sèd Liban yo.’ \p \v 16 “Pou sa, si nou te aji an bòn fwa avèk entegrite nan fè Abimélec wa, si nou te aji byen avèk \x + \xo 9:16 \xo*\xt Jij 8:25\xt*\x*Jerubbaal avèk lakay li e te aji avèk li jan li te merite a—— \v 17 paske papa m te goumen pou nou e li te riske lavi li pou te delivre nou nan men Madian. \v 18 Men nou te leve kont lakay papa m jodi a e nou te touye \x + \xo 9:18 \xo*\xt Jij 8:30\xt*\x*fis li yo, swasann-dis moun sou yon sèl wòch pou te fè Abimélec, fis a bòn lakay li a, wa sou mesye Sichem yo, akoz li se moun fanmi nou; \v 19 si, alò, an bon fwa avèk entegrite, nou te aji avèk Jerubbaal avèk lakay li a nan jou sa a, rejwi nan Abimélec e ke li rejwi nan nou. \v 20 Men si se pa sa, ke dife sòti nan Abimélec pou manje nèt tout mesye a Sichem avèk Beth-Millo yo; epi ke dife sòti nan mesye Sichem nan ak Beth-Millo yo pou manje Abimélec nèt.” \p \v 21 Konsa, Jotham te sove ale pou te chape ale Beer e te rete la akoz Abimélec, frè li a. \p \v 22 Abimélec te renye sou Israël pandan twazan. \v 23 \x + \xo 9:23 \xo*\xt I Sam 16:14\xt*\x*Epi Bondye te voye yon move lespri antre nan Abimélec avèk mesye Sichem yo. Konsa mesye a Sichem yo te \x + \xo 9:23 \xo*\xt És 33:1\xt*\x*aji an movèz fwa avèk Abimélec, \v 24 jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e \x + \xo 9:24 \xo*\xt Nonb 35:33\xt*\x*san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo. \v 25 Mesye Sichem yo te mete moun an anbiskad kont li sou tèt mòn yo e yo te vòlè tout moun ki te pase bò kote yo nan wout la. Tout sa te pale a Abimélec. \p \v 26 Alò Gaal, fis Ébed la, te vini avèk fanmi pa li yo pou te travèse Sichem, epi mesye Sichem yo te mete konfyans yo nan li. \v 27 Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay \x + \xo 9:27 \xo*\xt Jij 8:33\xt*\x*dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec. \v 28 Konsa, Gaal, fis a Ébed la te di: “Kilès Abimélec sa a ye, e kilès Sichem ye pou nou ta dwe sèvi li? Se pa fis a Jerubbaal la? Se pa Zebul ki lyetnan li? Sèvi pito mesye \x + \xo 9:28 \xo*\xt Jen 34:2 \xt*\x*Hamor yo, fis a Sichem lan, men poukisa nou ta dwe sèvi li menm? \v 29 Pito sa, ke pèp sa a te anba otorite pa m! Konsa, mwen ta retire Abimélec.” Konsa li te pale Abimélec: “Fè lame ou a vin pi gran e vin parèt deyò!” \p \v 30 Lè Zebul, chèf lavil la te tande pawòl a Gaal yo, fis a Ébed la, kòlè li te vin brile. \v 31 Li te voye mesaje vè Abimélec pou twonpe li, e te di: “Veye byen, Gaal, fis a Ébed la avèk fanmi li te vini Sichem; epi gade, y ap konplote vil la kont ou. \v 32 Pou sa, fòk nou leve pandan nwit lan, nou menm avèk pèp nou an, pou kouche tann nan chan an. \v 33 Nan maten, depi solèy la leve, nou va leve bonè pou kouri sou vil la. Epi gade, lè li menm avèk pèp pa li a sòti deyò kont nou, nou va \x + \xo 9:33 \xo*\xt I Sam 10:7\xt*\x*fè avèk yo nenpòt sa nou jwenn chans fè.” \p \v 34 Konsa, Abimélec avèk tout pèp ki te avèk li a, te leve pandan lannwit lan pou te kouche tann pou leve kont Sichem nan kat konpayi. \v 35 Alò Gaal, fis a Ébed la te sòti e te kanpe devan antre pòtay vil la. Konsa, Abimélec avèk pèp ki te avèk li yo te leve sòti nan anbiskad la. \p \v 36 Lè Gaal te wè pèp la, li te di a Zebul: “Gade, gen moun k ap desann soti nan tèt mòn yo.” Men Zebul te di: “Se lonbraj mòn ke w ap gade tankou moun nan.” \p \v 37 Gaal te pale ankò e te di: “Gade, se moun k ap desann soti nan \x + \xo 9:37 \xo*\xt Egz 38:12\xt*\x*pi wo pati teren an, yon konpayi k ap pase pa chemen bwadchenn divinò yo.” \p \v 38 Konsa, Zébul te di li: “Kote ògèy ou fè koulye a, lè ou te di: ‘Kimoun Abimélec ye pou nou ta dwe sèvi li?’ Men se pa moun sa yo ke ou meprize konsa? Ale deyò koulye a pou batay avèk yo!” \p \v 39 Alò, Gaal te sòti deyò devan chèf Sichem yo pou te batay avèk Abimélec. \v 40 Abimélec te kouri dèyè li. Li te sove ale devan l, epi anpil te vin blese jis rive nan antre gran pòtay la. \v 41 Abimélec te viv nan Aruma; men Zebul te chase Gaal avèk fanmi li jiskaske yo pa t kab rete Sichem. \v 42 Alò, li te vin rive nan jou ki vini an, ke pèp la te sòti rive nan chan an, e yo te pale Abimélec tout sa. \v 43 Konsa, li te pran pèp li a e te divize yo an twa konpayi. Li te kouche tann nan chan an, e lè l te wè pèp ki t ap sòti nan vil la, li te leve kont yo e te touye yo. \v 44 Abimélec avèk konpayi ki te avè l la te kouri devan e te kanpe antre nan pòtay vil la. Lòt de konpayi yo te kouri sou tout moun ki te nan chan an e te touye yo. \v 45 Abimélec te goumen kont vil la pandan tout jounen an. Li te kaptire vil la e te touye pèp ki te ladann yo. Konsa, li te kraze vil la e te simen sèl ladann. \p \v 46 Lè tout chèf nan fò Sichem nan te tande sa, yo te antre kache nan chanm enteryè tanp \x + \xo 9:46 \xo*\xt Jij 8:33\xt*\x*El-Berith la. \v 47 Kèk moun te avèti Abimélec ke tout chèf fò Sichem nan te rasanble ansanm. \v 48 Konsa, Abimélec te monte \x + \xo 9:48 \xo*\xt Sòm 68:14\xt*\x*Mòn Tsalmon an, ansanm ak tout pèp ki te avè l yo. Li te pran yon rach nan men l, e te koupe yon branch nan bwa yo. Li te leve li monte sou zepòl li, e te di pèp ki te avè l yo: “Sa nou wè ke m fè a, fè vit e fè l menm jan an.” \v 49 Tout pèp la te koupe branch yo menm jan an, yo te swiv Abimélec, yo te plase yo kont chanm enteryè a, e yo te limen chanm enteryè a avèk dife anwo sila ki te anndan yo. Konsa, tout mesye nan fò Sichem yo te mouri, anviwon mil gason ak fanm. \v 50 Epi Abimélec te ale Thébets. Yo te fè kan kont Thébets e yo te kaptire li. \v 51 Men te gen yon fò ki te byen fòtifye nan mitan vil la. Tout gason, ni fanm, ni tout chèf lavil la te sove ale rive la e te fèmen kò yo anndan, pou monte sou twati fò a. \v 52 Pou sa, Abimélec te vini vè fò a, e te goumen kont li. Li te pwoche antre nan fò a pou brile li avèk dife. \v 53 Men yon \x + \xo 9:53 \xo*\xt II Sam 11:21\xt*\x*sèten fanm te jete yon wòch moulen (sila a ki sòti anwo nan moulen an) sou tèt Abimélec e te kraze zo tèt li. \p \v 54 Byen vit \x + \xo 9:54 \xo*\xt I Sam 31:4\xt*\x*li te rele gason an ki te pote zam li yo. Li te di li: “Rale nepe ou touye mwen pou yo pa kab pale de mwen, ke yon fanm te touye m.” Konsa, jennonm nan te frennen li nèt e li te mouri. \p \v 55 Lè mesye Israël yo te wè ke Abimélec te mouri, yo tout te pati rive lakay yo. \v 56 Konsa, \x + \xo 9:56 \xo*\xt Jen 9:5-6\xt*\x*Bondye te rekonpanse mechanste Abimélec te fè a papa l, nan touye swasann-dis frè li yo. \v 57 Bondye te retounen tout mechanste a mesye Sichem yo sou pwòp tèt pa yo, epi madichon Jotham nan, fis Jerubbaal la, te vin sou yo. \c 10 \p \v 1 Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te \x + \xo 10:1 \xo*\xt Jij 2:16\xt*\x* leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. \v 2 Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir. \p \v 3 Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan. \v 4 Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo \x + \xo 10:4 \xo*\xt Nonb 32:41 \xt*\x* rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a. \v 5 Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon. \p \v 6 Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te \x + \xo 10:6 \xo*\xt Jij 2:13\xt*\x*sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, \x + \xo 10:6 \xo*\xt Det 31:16\xt*\x*yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li. \v 7 Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te \x + \xo 10:7 \xo*\xt I Sam 12:9\xt*\x*vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo. \v 8 Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo. \v 9 Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël. \v 10 Konsa, \x + \xo 10:10 \xo*\xt I Sam 12:10\xt*\x*fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.” \p \v 11 SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou \x + \xo 10:11 \xo*\xt Jij 2:12\xt*\x*soti nan men Ejipsyen yo, \x + \xo 10:11 \xo*\xt Nonb 21:21-25\xt*\x* Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo? \v 12 Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te \x + \xo 10:12 \xo*\xt Sòm 106:42\xt*\x*oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo. \v 13 Malgre sa, \x + \xo 10:13 \xo*\xt Jr 2:13\xt*\x*nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò. \v 14 \x + \xo 10:14 \xo*\xt Det 32:37\xt*\x*Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.” \p \v 15 Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. \x + \xo 10:15 \xo*\xt I Sam 3:18\xt*\x*Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.” \v 16 \x + \xo 10:16 \xo*\xt Jos 24:23\xt*\x*Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi \x + \xo 10:16 \xo*\xt Det 32:36\xt*\x*Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò. \p \v 17 Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an \x + \xo 10:17 \xo*\xt Jij 11:29\xt*\x*Mitspa. \v 18 Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.” \c 11 \p \v 1 Alò, \x + \xo 11:1 \xo*\xt Eb 11:32\xt*\x*Jephthé, Galaadit la, te yon gèrye plen kouraj. Li te fis a yon pwostitiye. Galaad se te papa a Jephté \v 2 Madanm a Galaad te ba li fis yo; epi lè fis sa yo te vin grandi, yo te kouri dèyè Jephthé, mete li deyò e te di li: “Ou p ap fè eritaj lakay papa nou, paske ou se fis a yon lòt fanm.” \v 3 Konsa, Jephthé te sove ale devan frè li yo, pou li te viv nan peyi \x + \xo 11:3 \xo*\xt II Sam 10:6-8\xt*\x*Tob la. Sanzave yo te rasanble yo antoure Jephthé e yo te konn ale andeyò avèk li. \p \v 4 Li te vin rive apre yon tan ke \x + \xo 11:4 \xo*\xt Jij 10:9-17\xt*\x*fis Ammon yo te goumen kont Israël. \v 5 Lè fis Ammon yo te goumen kont Israël, ansyen nan Galaad yo te ale jwenn Jephthé nan peyi Tob la. \v 6 Konsa, yo te di a Jephthé: “Vin fè chèf sou nou pou nou kab goumen kont fis Ammon yo.” \p \v 7 Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: \x + \xo 11:7 \xo*\xt Jen 26:27\xt*\x*“Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m lè nou nan pwoblèm nan?” \p \v 8 Ansyen Galaad yo te di a Jephthé: “Se pou rezon sa a ke nou gen tan retounen bò kote ou, pou ou kapab ale avèk nou, goumen avèk fis Ammon yo e \x + \xo 11:8 \xo*\xt Jij 10:18\xt*\x*vin chèf sou tout pèp Galaad la.” \p \v 9 Pou sa, Jephthé te di a ansyen Galaad yo: “Si nou reprann mwen pou m kab goumen kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a livre yo nan men m, èske mwen va devni chèf an tèt nou?” \p \v 10 Ansyen a Galaad yo te di a Jephthé: \x + \xo 11:10 \xo*\xt Jen 31:50\xt*\x*“SENYÈ a se temwen antre nou. Anverite, nou va fè sa ou mande nou fè a.” \p \v 11 Konsa, Jephthé te ale avèk ansyen Galaad yo, e pèp la te fè li chèf sou yo. Konsa, Jephthé te pale tout pawòl li yo devan SENYÈ a nan \x + \xo 11:11 \xo*\xt Jij 10:17\xt*\x*Mitspa. \p \v 12 Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: “Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?” \p \v 13 Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te \x + \xo 11:13 \xo*\xt Nonb 21:24\xt*\x*pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive \x + \xo 11:13 \xo*\xt Jen 32:22\xt*\x*Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.” \p \v 14 Men Jephthé te voye mesaje yo ankò vè wa a fis Ammon yo. \v 15 Li te di li yo: “Konsa pale Jephthé: “Israël pa t pran peyi Moab, ni peyi fis Ammon yo. \v 16 Paske, lè yo te monte sòti an Egypte, Israël te pase nan dezè a pou rive nan Lamè Wouj e te vin Kadès. \v 17 Alò, Israël \x + \xo 11:17 \xo*\xt Nonb 20:14-21\xt*\x*te voye mesaje yo vè wa Édom an, pou te di: ‘Souple, lese nou travèse peyi nou an,’ men wa a Édom an te refize koute. Ankò, yo te voye wa Moab la, men li pa t dakò. Konsa, Israël te rete Kadès. \v 18 Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo \x + \xo 11:18 \xo*\xt Det 2:9-19\xt*\x*pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab. \v 19 Konsa, Israël te voye \x + \xo 11:19 \xo*\xt Nonb 21:21-32\xt*\x*mesaje a Sihon yo, wa Amoreyen yo, ak wa a Hesbon an. Israël te di li: “Souple, kite nou pase nan teritwa pa ou a pou rive nan plas nou.” \v 20 Men Sihon pa t mete konfyans an Israël pou pase nan teritwa pa li a. Pou sa, Sihon te ranmase tout pèp li a, e te fè kan nan Jahats pou te goumen avèk Israël. \v 21 SENYÈ a, Bondye a Israël la, te mete\x + \xo 11:21 \xo*\xt Nonb 21:24\xt*\x*Sihon avèk tout pèp li a nan men Israël la, e yo te genyen yo. Konsa, Israël la te vin posede tout teren a Amoreyen yo, pèp a peyi sila yo. \v 22 \x + \xo 11:22 \xo*\xt Det 2:36-37\xt*\x*Epi yo te vin posede tout teren a Amoreyen yo, soti nan Arnon an, jis rive nan Jabbok la, e soti nan dezè a jis rive nan Jourdain an. \v 23 Depi alò, SENYÈ a te chase Amoreyen yo, Li te fè yo sòti nan teren an devan pèp Israël la, èske koulye a, ou menm ap vin antre pou posede li? \v 24 Èske nou pa posede deja sa ke \x + \xo 11:24 \xo*\xt Nonb 21:29\xt*\x*Kemosch, dye pa nou an, te bannou pou posede a? Konsa nenpòt sa ke SENYÈ a te chase devan nou, nou va posede li. \v 25 Alò, èske ou pi bon ke \x + \xo 11:25 \xo*\xt Nonb 22:2\xt*\x*Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la? Èske li te janm fè traka pou Israël, oswa èske li te janm goumen kont yo? \v 26 \x + \xo 11:26 \xo*\xt Nonb 21:25-26\xt*\x*Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a? \v 27 Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. \x + \xo 11:27 \xo*\xt Jen 16:5\xt*\x*Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.” \p \v 28 Men wa a fis Ammon yo te refize koute mesaj ke Jephthé te voye ba li a. \v 29 Alò, \x + \xo 11:29 \xo*\xt Jij 3:10 \xt*\x*Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive vè fis Ammon yo. \p \v 30 Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m, \v 31 konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen lè m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile.” \p \v 32 Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li. \v 33 Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo. \p \v 34 Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk \x + \xo 11:34 \xo*\xt Egz 15:20 \xt*\x*tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi. \v 35 Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e \x + \xo 11:35 \xo*\xt Nonb 30:2 \xt*\x*mwen p ap kab reprann li.” \p \v 36 Konsa li te di li: “Papa m, ou te bay pawòl ou a SENYÈ a. \x + \xo 11:36 \xo*\xt Nonb 30:2\xt*\x*Fè avè m sa ou te di a, akoz SENYÈ a te fè vanjans sou lènmi ou yo, fis a Ammon yo.” \v 37 Li te di a papa li: “Sèlman, kite bagay sa a fèt; lese mwen pou kont mwen pandan de mwa, pou mwen kapab ale nan mòn yo pou m kab kriye akoz ke m toujou \x + \xo 11:37 \xo*\xt Jen 30:23\xt*\x*vyèj, mwen menm avèk zami mwen yo. \p \v 38 Epi li te reponn: “Ale.” Konsa, li te voye li sòti pandan de mwa. Li te ale avèk zanmi li yo pou te kriye sou mòn yo akoz li te vyèj. \v 39 Nan fen de mwa yo, li te retounen vè papa li ki te aji ak li selon ve ke li te fè a. Li pa t gen relasyon avèk gason. Konsa, sa te vin yon koutim an Israël, \v 40 pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la. \c 12 \p \v 1 Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te \x + \xo 12:1 \xo*\xt Jij 8:1\xt*\x*di a Jephethé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.” \v 2 Jephthé te di yo: “Mwen avèk pèp mwen an t ap fè gwo kont avèk fis Ammon yo; epi lè mwen te rele nou, nou pa t delivre mwen nan men yo. \v 3 Lè m te wè ke nou pa t ap delivre mwen, mwen te \x + \xo 12:3 \xo*\xt I Sam 19:5\xt*\x*pran pwòp lavi mwen nan men m, e te travèse lòtbò kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a te livre yo nan men m. Poukisa, konsa, nou vin monte sou mwen nan jou sa a pou goumen kont mwen?” \p \v 4 Epi Jephthé te ranmase tout gason Galaad yo pou te goumen kont Éphraïm. Mesye Galaad yo te bat Éphraïm, akoz yo te di: “Se moun sove devan Éphraïm ke nou ye; O Galaadit yo, ki nan mitan Ephraïm ak nan mitan Manassé.” \v 5 Galaadit yo te \x + \xo 12:5 \xo*\xt Jij 3:28\xt*\x*kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”, \v 6 alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo. \p \v 7 Jephthé te jije Israël pandan sis ane. Epi Jephthé, Galaadit la te mouri e te antere nan youn nan vil nan Galaad yo. \p \v 8 Alò, Ibtsan a Bethléhem te jije Israël apre li. \v 9 Li te gen trant fis ak trant fi ke li te bay an maryaj andeyò fanmi an. Li te fè antre trant fi soti deyò pou fis li yo. \v 10 Konsa, Ibtsan te mouri e te antere Bethléhem. \p \v 11 Alò, Élon, Zabilonit lan te jije Israël apre li. Li te jije Israël pandan dis ane. \v 12 Konsa, Élon, Zabilonit lan te mouri e te antere nan Ajalon nan peyi a Zabulon. \p \v 13 Alò, Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te jije Israël apre li. \v 14 Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane. \v 15 Epi Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te mouri e te antere nan Pirathon nan peyi Ephraïm nan, nan peyi ti mòn ki te pou Amalekit yo. \c 13 \p \v 1 Fis Israël yo \x + \xo 13:1 \xo*\xt Jij 2:11\xt*\x*ankò te fè mal nan zye SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te livre yo nan men a Filisten yo pandan karant ane. \v 2 Te gen yon sèten nonm nan \x + \xo 13:2 \xo*\xt Jos 19:41\xt*\x*Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit. \v 3 Konsa, \x + \xo 13:3 \xo*\xt Jij 6:11-14\xt*\x*zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. \v 4 Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp. \v 5 Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon \x + \xo 13:5 \xo*\xt Nonb 6:2-5\xt*\x*Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.” \p \v 6 Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: \x + \xo 13:6 \xo*\xt Jij 8:11\xt*\x*“Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li. \v 7 Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’” \p \v 8 Alò, Manoach te priye a SENYÈ a. Li te di: “O SENYÈ, souple kite \x + \xo 13:8 \xo*\xt Jij 13:3-7\xt*\x*nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou fè pou gason k ap vin fèt la.” \p \v 9 Bondye te koute vwa a Manoach, epi \x + \xo 13:9 \xo*\xt Jij 13:8\xt*\x*zanj Bondye a te vini ankò vè fanm nan pandan li te chita nan chan an. Men Manoach, mari li a, pa t avè l. \v 10 Konsa, fanm nan te kouri vit di mari li: “Gade byen, \x + \xo 13:10 \xo*\xt Jij 13:9 \xt*\x*nonm ki te vini lòt jou a te parèt devan m.” \p \v 11 Konsa, Manoach te leve swiv fanm li an e lè li te vin kote nonm nan, li te di li: “Èske ou se \x + \xo 13:11 \xo*\xt Jij 13:8 \xt*\x*nonm Bondye ki te pale avèk fanm mwen?” \p Epi li te di: “Mwen se li”. \p \v 12 Manoach te di: “Alò, lè pawòl ou yo vin akonpli, kijan de vi ak vokasyon gason sila a va genyen?” \p \v 13 Konsa, nonm Bondye a te di a Manoach: \x + \xo 13:13 \xo*\xt Jij 13:4 \xt*\x*“Kite fanm nan byen okipe tout sa ke m te di li yo. \v 14 Li pa dwe manje anyen ki sòti nan \x + \xo 13:14 \xo*\xt Nonb 6:4\xt*\x*chan rezen, ni bwè diven, ni bwason fò, ni manje okenn bagay ki pa pwòp. Kite li swiv tout sa ke m te kòmande yo.” \p \v 15 Manoach te di a \x + \xo 13:15 \xo*\xt Jij 13:3\xt*\x*zanj SENYÈ a: “Souple, pèmèt nou fè ou fè yon ti reta pou nou kab prepare yon jenn kabrit pou ou.” \p \v 16 Zanj SENYÈ a te di a Manoach: “Malgre ou fè m fè reta a, \x + \xo 13:16 \xo*\xt Jij 6:20\xt*\x*mwen p ap manje manje ou. Men si ou prepare yon ofrann brile, alò, ofri li bay SENYÈ a.” Paske Manoach pa t konnen ke li te yon zanj SENYÈ a. \p \v 17 Manoach te di a zanj SENYÈ a: \x + \xo 13:17 \xo*\xt Jen 32:29\xt*\x*“Kòman yo rele ou, dekwa ke lè pawòl ou yo vin rive pou nou kapab onore ou?” \p \v 18 Men zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou mande m non mwen, akoz nou wè li depase konnesans?” \p \v 19 Konsa, \x + \xo 13:19 \xo*\xt Jij 6:20-21\xt*\x*Manoach te pran jenn kabrit la avèk ofrann sereyal la pou te ofri li sou wòch SENYÈ a. Epi Li menm, zanj SENYÈ a, te fè mèvèy pandan Manoach avèk madanm li t ap gade. \v 20 Konsa, li te vin rive ke lè flanm nan te monte sou lotèl la vè syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Lè Manoach avèk madanm li te wè sa, yo te \x + \xo 13:20 \xo*\xt Lev 9:24\xt*\x*tonbe atè sou figi yo. \v 21 Alò, zanj SENYÈ a pa t vin parèt a Manoach ni madanm li ankò. \x + \xo 13:21 \xo*\xt Jij 13:16\xt*\x*Konsa, Manoach te vin konnen ke se te zanj SENYÈ a ke li te ye. \v 22 Epi Manoach te di a madanm li: “Anverite, \x + \xo 13:22 \xo*\xt Jen 32:30\xt*\x* n ap mouri, paske nou te wè Bondye.” \p \v 23 Men madanm li te di li: “Si SENYÈ a te vle touye nou, Li pa t ap aksepte ofrann brile avèk ofrann sereyal la soti nan men nou, ni Li pa t ap \x + \xo 13:23 \xo*\xt Sòm 25:14\xt*\x*montre nou tout bagay sila yo, ni Li pa t ap kite nou tande tout bagay sa yo konsa nan moman sa a.” \v 24 Fanm nan te bay nesans a yon fis e li te rele li Samson. \x + \xo 13:24 \xo*\xt I Sam 3:19\xt*\x*Pitit la te vin gran e SENYÈ a te beni li. \v 25 Lespri SENYÈ a te kòmanse vire nan li nan kan Dan nan, antre Tsorea ak Eschthaol. \c 14 \p \v 1 Samson te desann Thimna. La li te wè yon fanm Thimna; youn nan fi Filisten yo. \v 2 Konsa, li te retounen pou te di papa l avèk manman l: “Mwen te wè yon fanm Thimna, youn nan fi Filisten yo. Alò pou sa, al chache li pou mwen kòm madanm.” \p \v 3 Papa l avèk manman l te di li: “Èske pa gen okenn fanm pami fi a \x + \xo 14:3 \xo*\xt Jen 24:3\xt*\x*fanmi ou yo, oswa pami tout pèp nou an, pou ou ale\x + \xo 14:3 \xo*\xt Egz 34:16\xt*\x*pran yon madanm pami Filisten ensikonsi sa yo?” \p Samson te di a papa l: “Ale pran li pou mwen; paske selon mwen menm, li byen bèl.” \p \v 4 Alò, papa li avèk manman li pa t konnen ke \x + \xo 14:4 \xo*\xt Jos 11:20\xt*\x*sa se te yon bagay a SENYÈ a; paske Li t ap chache yon okazyon kont Filisten yo. Alò, nan tan sa a, Filisten yo t ap domine sou Israël. \p \v 5 Epi Samson te desann Thimna avèk papa l avèk manman l e yo te avanse rive jis nan chan rezen a Thimna yo; epi vwala, yon jenn lyon tou ap gwonde te vin lonje sou li. \v 6 \x + \xo 14:6 \xo*\xt Jij 3:10\xt*\x*Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a. \v 7 Konsa, li te desann pale avèk fanm nan, epi li te fè kè l kontan. \v 8 Lè l te retounen pita pou pran l, li te vire akote pou gade kadav lyon an. Epi vwala, yon desen myèl te nan kò lyon an. \v 9 Konsa, li te fè yon grate lasi ak siwo myèl nan men li e li te fè wout li pandan li t ap manje. Lè li te vin kote papa l avèk manman l, li te bay yo, e yo te manje. Men li pa t di yo ke li te grate siwo a sòti nan kò lyon an. \v 10 Alò, papa li te desann vè fanm nan; epi Samson te fè yon fèt la, paske jennonm yo te konn fè sa kòm koutim pa yo. \v 11 Lè yo te wè li, yo te mennen trant zanmi parèy a yo pou yo ta kab la avèk li. \p \v 12 Samson te di yo: “Kite m \x + \xo 14:12 \xo*\xt Éz 17:2\xt*\x*bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman. \v 13 Men si nou pa kab reponn mwen, alò, nou va ban mwen trant echanj vètman.” \p Yo te di li: “Bannou kont lan pou nou kab koute li.” \p \v 14 Konsa, li te di yo: \q1 “Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje. \q1 Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.” \p Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan. \v 15 Alò, li te vin rive ke nan katriyèm jou a, ke yo te di a madanm Samson an: \x + \xo 14:15 \xo*\xt Jij 16:5\xt*\x*“Mennen mari ou pou l kab bannou repons kont lan, oswa nou va brile ou menm avèk kay papa ou avèk dife. Èske se pou fè nou vin pòv ke ou te envite nou? Se pa sa w ap fè la a?” \p \v 16 Madanm a Samson te kriye devan li e te di: \x + \xo 14:16 \xo*\xt Jij 16:15\xt*\x*“Se sèlman ke ou rayi mwen e ou pa renmen m. Ou te prezante yon kont a fis pèp mwen yo e ou pa t pale m de sa.” \p Li te di li: “Gade byen, mwen pa t pale l ni a manman m, ni a papa m. Èske se a ou menm pou m ta pale li?” \p \v 17 Men li te kriye devan li pandan sèt jou pandan fèt yo a t ap pase. Epi nan setyèm jou a, li te pale li kont lan, akoz li menm (fanm nan) te peze li rèd. Alò konsa, li al pale istwa a fis pèp li yo. \v 18 Konsa, mesye lavil yo te di a li nan setyèm jou a avan solèy la te kouche: “Se kisa ki pi dous ke siwo myèl? Epi kisa ki pi fò pase yon lyon?” \p Li te reponn yo: \q1 “Si nou pa t raboure avèk gazèl bèf mwen, \q1 nou pa t ap dekouvri kont mwen an.” \p \v 19 \x + \xo 14:19 \xo*\xt Jij 3:10\xt*\x*Lespri SENYÈ a te vini sou li byen fò, e li te desann Askalon pou te touye trant nan Filisten yo. Li te pran piyaj pa yo e te bay echanj rad yo a sila ki te reponn kont lan. Epi kòlè li te monte, e li te monte vè lakay papa l. \v 20 Men madanm a Samson an te vin \x + \xo 14:20 \xo*\xt Jij 15:2 \xt*\x*bay a yon konpanyen li ki te bon zanmi li. \c 15 \p \v 1 Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li \x + \xo 15:1 \xo*\xt Jen 38:17 \xt*\x*avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.” \p Men papa li pa t kite li antre. \v 2 Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen \x + \xo 15:2 \xo*\xt Jij 14:2\xt*\x*te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.” \p \v 3 Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.” \v 4 Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo. \v 5 Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi. \p \v 6 Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?” \p Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te \x + \xo 15:6 \xo*\xt Jij 14:15\xt*\x*brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife. \p \v 7 Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.” \v 8 Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam. \v 9 Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi. \p \v 10 Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?” \p Yo te di: “Nou te monte pou mare Samson dekwa ke nou kab fè l menm bagay ke li te fè nou an.” \p \v 11 Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen \x + \xo 15:11 \xo*\xt Lev 26:25\xt*\x*ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?” \p Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.” \p \v 12 Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo: \p “Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.” \p \v 13 Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la. \p \v 14 Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi \x + \xo 15:14 \xo*\xt Jij 14:19\xt*\x*Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li. \v 15 Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te \x + \xo 15:15 \xo*\xt Lev 26:8\xt*\x*touye mil lòm avèk li. \v 16 Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.” \v 17 Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi. \p \v 18 Alò, li te vin swaf. Li te \x + \xo 15:18 \xo*\xt Jij 16:31\xt*\x*rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?” \p \v 19 Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a. \v 20 Epi \x + \xo 15:20 \xo*\xt Jij 16:31 \xt*\x*li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo. \c 16 \p \v 1 Alò, Samson te desann \x + \xo 16:1 \xo*\xt Jos 15:47 \xt*\x*Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li. \v 2 Lè sa li te pale pami moun Gaza yo: “Samson vin isit la!” Yo te \x + \xo 16:2 \xo*\xt I Sam 23:26\xt*\x* antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.” \v 3 Alò, Samson te kouche jis minwi e a minwi, li te leve pran pòtay lavil yo avèk de poto yo. Li te rale fè yo monte, ansanm avèk ba travès pa yo. Epi li te mete yo sou zepòl li, e li te pote yo monte pou rive anwo tèt mòn ki anfas Hébron an. \p \v 4 Apre sa, li te vin rive ke li te renmen yon fanm nan vale Sorek la, ke yo te rele Delila. \v 5 \x + \xo 16:5 \xo*\xt Jos 13:3\xt*\x*Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.” \p \v 6 Konsa, Delila te di a Samson: “Souple, pale m kote gran fòs ou a ye ak kijan ou kapab vin mare pou ou ta aflije.” \p \v 7 Samson te di li: “Si yo mare m avèk sèt kòd nèf ki poko sèch; alò, mwen va devni fèb e mwen va vin tankou nenpòt lòt gason.” \p \v 8 Epi prens Filisten yo te mennen ba li sèt kòd nèf ki potko sèch e li te mare li avèk yo. \v 9 Alò, te gen moun ki te kache ap tann nan chanm anndan an. Epi li te di li: “Men Filisten yo rive sou ou, Samson!” Konsa li te pete kòd yo tankou fisèl pit chire lè l touche dife. Konsa, fòs li a pa t revele. \p \v 10 Epi Delila te di a Samson: “Gade byen, se twonpe ou twonpe m, ou ban m yon bann manti; alò, koulye a, souple, di m kijan ou kab mare.” \p \v 11 Li te di li: “Si yo mare m byen di ak kòd nèf ki pa t janm sèvi; alò, mwen va devni fèb tankou nenpòt lòt gason.” \p \v 12 Konsa, Delila te pran kòd nèf e li te mare li avèk yo e te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Paske gason yo t ap tann nan chanm anndan an. Men li te pete kòd yo nan bra li tankou fisèl pou koud. \p \v 13 Epi Delila te di a Samson: “Jis koulye a, ou te twonpe m e ban m bann manti; di mwen kijan ou kapab mare.” \p Epi li te di li: “Si ou trese sèt très cheve m nan ansanm très la, epi tache l avèk gwo epeng tout très la, m ap vin fèb tankou nenpòt lòt gason.” \p \v 14 Konsa, pandan li t ap dòmi, Delila te pran sèt très a cheve li yo, li te trese yo nan ansanm très la. Li te tache li avèk epeng lan, e li te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Men li te leve nan dòmi li, li te rale fè epeng lan sòti nan ansanm très la e li te rale cheve l nan griyaj très la. \p \v 15 Alò li te di li: \x + \xo 16:15 \xo*\xt Jij 14:16\xt*\x*“Kijan ou kapab di, ‘Mwen renmen ou,’ lè kè ou pa avè m? Ou te twonpe m twa fwa sila yo e pa t di mwen kote gran fòs ou a ye.” \p \v 16 Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò. \v 17 Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon \x + \xo 16:17 \xo*\xt Nonb 6:2-5\xt*\x*Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.” \p \v 18 Lè Delila te wè ke li te di li tout sa ki te nan kè li, li te rele prens a Filisten yo e li te di yo: “Vini yon fwa ankò; paske li fin di mwen tout sa ki te nan kè li.” Epi prens a Filisten yo te vin kote li, e yo te pote lajan pou li a nan men yo. \v 19 Li te fè li dòmi sou jenou li, li te rele yon mesye pou te fè l pase razwa retire tout sèt très cheve li yo. Alò, li te kòmanse aflije li e fòs li a te vin kite l. \v 20 Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” \p Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke \x + \xo 16:20 \xo*\xt Nonb 14:42-43\xt*\x*SENYÈ a te gen tan kite li. \v 21 Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an. \v 22 Men cheve tèt li t ap grandi ankò lè l te fin koupe yo. \p \v 23 Alò, prens Filisten yo te rasanble pou ofri yon gran sakrifis a \x + \xo 16:23 \xo*\xt I Sam 5:2\xt*\x*Dagon, dye pa yo a e pou rejwi yo, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki livre Samson, lènmi nou an, nan men nou.” \v 24 Lè pèp la te wè li, yo te fè lwanj a dye pa yo a, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki te livre lènmi nou an, nan men nou, menm destriktè a peyi nou an, ki te touye anpil nan nou.” \p \v 25 Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo. \v 26 Alò, Samson te di a gason ki te kenbe men l lan: “Kite mwen manyen pilye kote kay la kanpe yo pou m kab apiye sou yo.” \v 27 Alò, kay la te ranpli avèk gason ni fanm e tout prens a Filisten yo te la. Epi anviwon twa-mil gason avèk fanm te anba twati a e yo t ap gade Samson pandan li t ap amize yo. \v 28 \x + \xo 16:28 \xo*\xt Jij 15:18\xt*\x*Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab \x + \xo 16:28 \xo*\xt Jr 15:15\xt*\x*jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.” \v 29 Samson te kenbe byen di de pilye mitan yo sou sila kay la te poze yo, li te ranfòse li sou yo, youn avèk men dwat li e youn avèk men goch li. \v 30 Epi Samson te di: “Kite mwen mouri avèk Filisten yo!” Epi li te koube avèk tout fòs li jiskaske kay la te vin tonbe sou tout prens yo ak tout moun ki te ladann yo. Konsa, kantite moun ke li te touye lè l te mouri an te plis ke sila ke li te touye pandan tout vi li yo. \p \v 31 Alò, frè li yo avèk tout lakay papa li te desann pran li, mennen li monte e te antere li antre Tsorea ak Eschthaol nan tonm Manoach la, papa li. Konsa, li te jije Israël pandan ventan. \c 17 \p \v 1 Alò, te gen yon nonm nan peyi ti kolin Ephraïm yo ki te rele Mica. \v 2 Li te di a manman l: “Onz-mil pyès ajan ke yo te retire nan men ou yo, sou sila yo ou te bay madichon ke mwen te tande a, veye byen, ajan an avè m; se mwen ki te pran l.” Epi manman l te di: “Beni ou ye, fis mwen, pa SENYÈ a.” \p \v 3 Konsa, li te retounen onz-san pyès ajan an bay manman l, e manman l te di: “Mwen dedye ajan an soti nan men mwen nèt bay SENYÈ a, pou fis mwen an, \x + \xo 17:3 \xo*\xt Egz 20:4\xt*\x*pou fè yon imaj taye ak yon imaj ki fonn; alò, pou sa, mwen va retounen yo ba ou.” \p \v 4 Konsa, lè li te fin retounen ajan an bay manman l, manman l te pran de-san pyès ajan an, li te bay yo a yon bòs fonn ajan, ki te fè avèk yo, yon imaj taye. Yo te rete lakay Mica. \p \v 5 Epi nonm nan, Mica, te gen yon \x + \xo 17:5 \xo*\xt Jij 18:24\xt*\x*lye sakre, li te fè yon efòd avèk zidòl lakay yo, e li te konsakre youn nan fis li yo \x + \xo 17:5 \xo*\xt Nonb 3:10\xt*\x*pou ta kapab sèvi kòm prèt li. \v 6 Nan jou sa yo, \x + \xo 17:6 \xo*\xt Jij 18:1\xt*\x*pa t gen wa an Israël. \x + \xo 17:6 \xo*\xt Det 12:8\xt*\x*Chak moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa l. \v 7 Alò, te gen yon jennonm ki te soti Bethléhem nan Juda, nan fanmi Juda a, ki te yon Levit. Li te rete la. \v 8 Konsa, nonm sa a te pati nan vil la, soti nan Bethléhem nan Juda pou ale rete nenpòt kote ke li ta kab twouve. Epi pandan li t ap fè vwayaj la, li te rive nan \x + \xo 17:8 \xo*\xt Jos 24:33 \xt*\x*peyi ti kolin Ephraïm yo, vè lakay Mica. \v 9 Mica te mande li: “Se kibò ou sòti?” \p Li te reponn li: “Mwen se yon Levit ki soti Bethléhem nan Juda, epi mwen pral rete nenpòt kote ke m twouve.” \p \v 10 Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon \x + \xo 17:10 \xo*\xt Jij 18:19\xt*\x*papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre. \v 11 Levit la te vin antann avèk nonm nan e jennonm nan te vin pou li tankou youn nan fis li yo. \v 12 Alò, Mica te konsakre Levit la; jennonm nan de \x + \xo 17:12 \xo*\xt Nonb 16:10\xt*\x*vin prèt li e li te rete lakay Mica. \v 13 Konsa, Mica te di: “Koulye a, mwen konnen ke SENYÈ a va fè m reyisi; paske mwen gen yon Levit kòm prèt.” \c 18 \p \v 1 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Epi \x + \xo 18:1 \xo*\xt Jos 19:40-48\xt*\x*nan jou sa yo tribi a Danit yo t ap chache yon eritaj kote pou yo menm ta viv ladann; paske jis rive nan jou sa a, tiraj osò eritaj la potko tonbe pou yo kòm posesyon pami tribi Israël yo. \v 2 Pou sa, fis a Dan yo te ranvoye sòti nan fanmi pa yo, senk mesye ki sòti nan yo tout, mesye vanyan ki sòti \x + \xo 18:2 \xo*\xt Jij 13:25\xt*\x*Tsorea avèk Eschthaol, pou fè ankèt nan teren an e egzamine li. Konsa yo te di yo: “Ale fè rechèch teren an.” \p Epi yo te vin rive nan \x + \xo 18:2 \xo*\xt Jij 17:1\xt*\x*peyi ti mòn Ephraïm yo, kote lakay Mica, pou te loje la. \v 3 Lè yo te vin toupre lakay Mica, yo te rekonèt vwa a jennonm nan, Levit la; epi yo te vire akote la e te di li: “Se kilès ki te mennen ou isit la? Epi kisa w ap fè nan kote sa a? Epi kisa ou gen isit la?” \p \v 4 Li te di yo: “Men tèl bagay ak tèl bagay Mica te fè m, e li te anplwaye m, epi \x + \xo 18:4 \xo*\xt Jij 17:12\xt*\x*mwen te vin prèt li.” \p \v 5 Yo te di li: “Souple, mande Bondye pou nou kab konnen si vwayaj ke nou ap pran an va byen reyisi.” \p \v 6 Prèt la te di yo: “Ale anpè. Bondye dakò avèk vwayaj ke nou ap fè a.” \p \v 7 Alò, senk mesye yo te pati pou te rive \x + \xo 18:7 \xo*\xt Jos 19:4\xt*\x*Laïs e te wè pèp la t ap viv an sekirite, nan fason a Sidonyen yo, anpè avèk sekirite. Paske pa t gen okenn chèf ki t ap imilye yo pou anyen nan peyi a, yo te lwen Sidonyen yo e yo pa t gen okenn relasyon avèk lòt moun. \v 8 Lè yo te retounen vè frè yo Tsorea ak Eschthaol, frè yo te di yo: “Kisa ou di?” \p \v 9 Yo te di: “Leve e annou monte kont yo; paske nou te wè peyi a e vwala, li trè bon. Epi ankò, èske w ap chita anplas toujou? Pa pèdi tan pou antre posede peyi a. \v 10 Lè ou antre, ou va rive sou yon pèp ki an sekirite avèk yon peyi ase vast. Paske Bondye te mete li nan men ou, \x + \xo 18:10 \xo*\xt Det 8:9\xt*\x*yon plas ki pa manke anyen ki sou latè.” \p \v 11 Alò, soti nan fanmi Danit yo, soti Tsorea avèk Eschthaol, sis-san lòm avèk tout zam lagè yo te pati. \v 12 Yo te monte pou te fè kan nan Kirjath-Jearim nan Juda. Pou sa, yo te rele plas sa a \x + \xo 18:12 \xo*\xt Jij 13:25\xt*\x*Machané-Dan jis rive jodi a. Tande byen, li vè lwès a Kirjath-Jearim. \v 13 Yo te pase soti la nan peyi ti kolin Ephraïm yo pou te rive lakay Mica. \p \v 14 Epi senk mesye ki te pase fè espyonaj nan peyi Laïs la te di a moun fanmi pa yo: “Èske nou konnen ke genyen nan kay sa yo yon \x + \xo 18:14 \xo*\xt Jij 17:5\xt*\x*efòd avèk zidòl lakay yo, avèk yon imaj taye ak yon imaj fonn? Pou sa, konsidere kisa ou ta dwe fè.” \v 15 Yo te vire akote la e te rive nan kay a jennonm nan, Levit la, lakay Mica e te mande li si tout bagay ale byen pou li. \v 16 Sis-san lòm ame avèk zam lagè, ki te pou fis a Dan yo, te kanpe akote antre pòtay la. \v 17 Alò, senk mesye ki te ale fè espyonaj peyi a te pwoche, yo te antre la pou te pran \x + \xo 18:17 \xo*\xt Jen 31:19-30\xt*\x*imaj taye avèk efòd la ak imaj lakay yo ak imaj fonn nan, pandan prèt la te kanpe nan antre pòtay la avèk sis-san lòm ki te ame avèk zam lagè yo. \p \v 18 Lè moun sila yo te antre lakay Mica pou te pran imaj taye a, efòd la avèk zidòl lakay yo a, avèk imaj fonn nan, prèt la te di yo: “Kisa nou ap fè la a?” \p \v 19 Yo te di li: “Pe la, \x + \xo 18:19 \xo*\xt Job 21:5\xt*\x*mete men sou bouch ou e vini avèk nou pou devni pou nou yon \x + \xo 18:19 \xo*\xt Jij 17:10\xt*\x*papa, ak yon prèt. Èske li pi bon pou ou pou fè prèt lakay a yon sèl moun, oswa devni prèt a yon tribi e yon fanmi an Israël?” \p \v 20 Kè a prèt la te kontan. Li te pran efòd la avèk zidòl lakay yo a, imaj taye a e te li ale pami pèp la. \v 21 Yo te vire sòti pou te mete pitit yo avèk tout bèt yo avèk byen yo ranmase devan yo. \v 22 Lè yo te fè yon sèten distans soti lakay Mica, mesye ki te nan kay toupre lakay Mica yo te rasanble yo pou te vin jwenn fis a Dan yo. \v 23 Yo te kriye sou fis a Dan yo e yo te vire di Mica: “Kisa nou genyen nou vin rasanble konsa?” \p \v 24 Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’” \p \v 25 Fis a Dan yo te di li: “Pa kite vwa ou tande pami nou, oswa mesye fewòs yo va vin tonbe sou ou e ou va pèdi lavi ou avèk lavi tout lakay ou.” \p \v 26 Konsa, fis a Dan yo te fè wout yo. Epi lè Mica te wè ke yo te twò fò pou li, li te vire retounen lakay li. \v 27 Epi yo te pran sa ke Mica te fè yo, avèk prèt ki te pou li a, e yo te vini bò kote \x + \xo 18:27 \xo*\xt Jos 19:47\xt*\x*Laïs, a yon pèp ki te pezib e an sekirite. Yo te frape yo avèk lam nepe; e yo te brile vil la avèk dife. \v 28 Pa t gen pèsòn pou sove yo akoz li te lwen Sidon e yo pa t gen relasyon avèk okenn lòt pèp. Li te nan vale ki te toupre Beth-Rehob la. Konsa, yo te rebati vil la pou te viv ladann. \v 29 \x + \xo 18:29 \xo*\xt Jos 19:47\xt*\x*Yo te rele vil la Dan, menm non a Dan, papa ki te fèt an Israël yo. Men avan sa, non a vil sa a se te Laïs. \v 30 Fis a Dan yo te fè monte pou kont yo, menm imaj taye a; epi Jonathan, fis a Guerschom lan, fis a Manassé a, \x + \xo 18:30 \xo*\xt Jij 17:3-5 \xt*\x*li menm avèk fis li yo te prèt pou tribi Danit la jis rive jou ke peyi a te vin pran an kaptivite a. \v 31 Alò, konsa, yo te monte pou kont yo imaj taye ki te pou Mica a, ke li menm te fè, pandan tout tan ke kay Bondye a te nan Silo a. \c 19 \p \v 1 Alò, li te vin rive nan jou sa yo, pandan pa t gen wa an Israël, ke te gen yon sèten Levit ki te rete nan zòn izole nan peyi ti kolin Ephraïm nan. Li te pran yon mennaj pou kont li, ki soti nan Bethléhem nan Juda. \v 2 Men mennaj li a te jwe pwostitiye kont li. Li te kite li pou rive lakay papa l nan Bethléhem nan Juda e li te rete la pandan yon kat mwa. \v 3 Epi mari li te leve swiv li, pou \x + \xo 19:3 \xo*\xt Jen 34:3 \xt*\x*pale dousman avè l pou fè l tounen e te pran avè l sèvitè li a, ak yon pè bourik. Konsa, fi a te mennen li antre lakay papa l. Lè papa l te wè l, li te byen kontan rankontre li. \v 4 Bòpè li a, papa a fi a te fè l fè reta. Li te rete avè l pandan twa jou konsa. La yo te manje, bwè e loje. \p \v 5 Alò, nan katriyèm jou a, yo te leve granmmaten e yo te prepare pou sòti. Papa a fi a te di a bofi li: \x + \xo 19:5 \xo*\xt Jen 18:5 \xt*\x*“Fòtifye ou menm avèk yon mòso pen pou, apre, nou kapab ale.” \v 6 Konsa, toude te chita manje e bwè ansanm; epi papa a fi a te di nonm nan: “Souple, vin dakò pou pase nwit lan e \x + \xo 19:6 \xo*\xt Jij 16:25\xt*\x*fè kè ou kontan.” \v 7 Alò, nonm nan te leve pou pati, men bòpè li te ankouraje li. Konsa, li te pase nwit lan la ankò. \v 8 Nan senkyèm jou a, li te leve pati bonè nan maten. Men papa a fi a te di: “Souple, soutni nou e tann pou jiska apremidi.” Konsa, yo toude te manje. \p \v 9 Lè nonm nan te leve ansanm avèk mennaj li ak sèvitè li a, bòpè li te di li: “Men gade, jou a prèt pou rive; souple, pase nwit lan isit la pou kè ou kapab kontan. Epi demen ou kapab leve bonè pou vwayaje ale lakay ou.” \v 10 Men nonm nan pa t dakò pase nwit lan. Konsa, li te leve sòti pou te rive nan lye anfas \x + \xo 19:10 \xo*\xt I Kwo 11:4-5\xt*\x*Jebus (sa vle di, Jérusalem). Li te gen avè l de bourik sele; mennaj li a te avè l tou. \p \v 11 Lè yo te toupre Jebus, jou a te prèt fini; epi \x + \xo 19:11 \xo*\xt Jij 19:19\xt*\x*sèvitè te di a mèt li: “Souple, vini e annou vire akote antre vil ki pou Jebizyen yo pou pase nwit lan ladann.” \p \v 12 Men mèt li a te di li: “Nou p ap vire akote antre nan vil etranje ki pa fè pati a fis Israël yo; men nou va kontinye rive jis Guibea.” \v 13 Li te di a sèvitè li: “Vini e annou pwoche youn nan kote sa yo. Nou va pase nwit lan nan Guibea oswa Rama.” \v 14 Konsa, yo te kontinye fè wout yo. Solèy la te kouche sou yo toupre Guibea, ki pou Benjamin. \v 15 Yo te vire akote la pou antre rete nan Guibea. Lè yo te antre, yo te chita nan mache ki pou vil la, pwiske pèsòn pa t pran yo antre lakay yo pou pase nwit lan. \p \v 16 Alò, vwala, yon mesye granmoun t ap sòti nan chan travay li nan aswè. Alò, mesye a te sòti nan \x + \xo 19:16 \xo*\xt Jij 19:1\xt*\x*peyi ti kolin Ephraïm yo, e li t ap viv Guibea, men mesye kote sa yo se te Benjamit yo te ye. \v 17 Konsa, li te leve zye li pou te wè vwayajè yo nan mitan mache vil la. Epi granmoun nan te di: “Kibò nou prale e kibò nou sòti?” \p \v 18 Li te di: “N ap pase soti Bethléhem nan Juda pou rive kote ki pi izole nan peyi ti kolin Ephraïm yo, paske se la mwen sòti e mwen te ale Bethléhem nan Juda. Men koulye a, se lakay mwen mwen prale e nanpwen moun k ap ban m plas. \v 19 Men m gen pay ak manje pou bourik nou yo e osi, pen avèk diven pou mwen, sèvant ou, \x + \xo 19:19 \xo*\xt Jij 19:11\xt*\x*e jennonm ki avèk sèvitè ou yo. Nanpwen anyen ki manke.” \p \v 20 Granmoun nan te di: \x + \xo 19:20 \xo*\xt Jen 43:23\xt*\x*“Lapè avèk nou. Sèlman, kite mwen okipe tout bezwen nou yo; sèlman, pa pase nwit lan sou plas la.” \v 21 \x + \xo 19:21 \xo*\xt Jen 24:32-33\xt*\x*Konsa, li te pran li lantre lakay li e li te bay bourik yo manje. Yo te lave pye yo e te manje ak bwè. \v 22 Pandan yo t ap fete, veye byen, \x + \xo 19:22 \xo*\xt Jen 19:4-5\xt*\x*mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.” \p \v 23 Alò, nonm nan, mèt kay la, te parèt deyò kote yo, e te di yo: “Non, zanmi mwen yo, souple pa aji mal konsa! Akoz nonm sa a te \x + \xo 19:23 \xo*\xt Jen 34:7\xt*\x*antre lakay mwen, pa vin fè yon zak bèt parèy konsa! \v 24 \x + \xo 19:24 \xo*\xt Jen 19:8 \xt*\x*Men fi vyèj mwen an ak sèvant li an; souple, kite mwen fè yo sòti pou nou kapab kouche avèk yo e fè sa ke nou pito. Men pa fè zak bèt sa a kont nonm sa a!” \p \v 25 Men mesye yo te refize koute li. Epi nonm nan te sezi ti mennaj li a, li te mennen li deyò kote yo. Konsa, yo te vyole li e te abize li tout lannwit jis rive nan maten, e yo te lage li lè solèy prèt leve. \v 26 Lè jou te kòmanse vin parèt, fanm nan te vin tonbe devan pòtay kay a mesye a kote mèt la te ye a jiskaske solèy fin klere nèt. \v 27 Lè mèt li te leve nan maten e te louvri pòt la pou fè wout li, alò vwala, mennaj li an te kouche devan pòtay kay la, avèk men li sou papòt kay la. \p \v 28 Li te di li: “Leve non, annou ale.” \x + \xo 19:28 \xo*\xt Jij 20:5\xt*\x*Men pa t gen repons. Alò, li te mete kadav li sou bourik la, epi nonm nan te leve ale lakay li. \p \v 29 Lè li te antre lakay li, li te pran yon kouto, li te mete men li sou mennaj li a e te \x + \xo 19:29 \xo*\xt I Sam 11:7\xt*\x*koupe li fè douz mòso, manm pa manm e te ranvoye li toupatou nan tout teritwa Israël la. \v 30 Tout sa ki te wè l te di: “Anyen parèy a sa pa t janm fèt, ni pa t konn wè depi jou ke fis Israël yo te monte sòti an peyi Égypte la jis jodi a. Reflechi sou sa, pran konsèy e pale klè.” \c 20 \p \v 1 Konsa, tout fis Israël yo depi Dan jis rive Beer-Schéba, menm avèk peyi Galaad la te sòti e kongregasyon an te rasanble kòm yon sèl òm a SENYÈ a nan \x + \xo 20:1 \xo*\xt I Sam 7:5\xt*\x*Mitspa. \v 2 Chèf a tout pèp yo, menm tout tribi an Israël yo, te vin kanpe nan asanble a pèp Bondye a, kat-san-mil sòlda a pye \x + \xo 20:2 \xo*\xt Jij 8:10\xt*\x*ki te rale nepe. \v 3 (Alò, fis a Benjamin yo te tande ke fis Israël yo te monte Mitspa.) Epi fis Israël yo te di: “Pale nou kijan mechanste sa a te vin rive?” \p \v 4 Epi Levit la, mari a fanm nan ki te asasine a, te reponn e te di: “Mwen te vini avèk mennaj mwen pou pase nwit lan Guibea ki pou Benjamin. \v 5 Men mesye Guibea yo te leve kont mwen, yo te antoure kay la pandan nwit lan akoz mwen menm. Yo te gen entansyon touye mwen; men olye de\x + \xo 20:5 \xo*\xt Jij 19:22\xt*\x* sa, yo te vyole mennaj mwen jiskaske li te vin mouri. \v 6 Epi mwen te pran mennaj mwen an, mwen te koupe li an mòso e mwen te voye li nan tout peyi eritaj Israël la, paske \x + \xo 20:6 \xo*\xt Jen 34:7\xt*\x*yo te komèt yon zak ki lèd e malonèt an Israël. \v 7 Gade byen, tout fis Israël yo, \x + \xo 20:7 \xo*\xt Jij 18:30\xt*\x*bay lide avèk konsèy nou isit la.” \p \v 8 Alò, tout pèp la te leve kòm yon sèl moun, e yo te di: “Pa gen menm youn nan nou k ap tounen nan tant li, ni nou p ap retounen lakay nou. \v 9 Men kisa n ap fè Guibea; nou va monte kont li pa tiraj osò. \v 10 Epi nou va pran dizòm sou san nan tout tribi Israël yo, san sou mil e mil sou dis-mil pou founi manje pou pèp la jiskaske yo vini Guibea nan Benjamin, pou yo kapab pini yo pou tout zak malonèt yo te fè an Israël yo.” \v 11 Konsa, tout fis Israël yo te rasanble kont vil la, tèt yo ansanm kòm yon sèl moun. \p \v 12 Alò, tribi Israël yo te voye mesye yo pami tout tribi Benjamin an, e yo te di: “Ki kalite mechanste sa ki te fèt pami nou an? \v 13 Pou sa, livre bannou mesye sa yo, \x + \xo 20:13 \xo*\xt II Kor 6:15\xt*\x*sanzave Guibea yo, pou nou kab mete yo a lanmò e \x + \xo 20:13 \xo*\xt Det 13:5\xt*\x*retire mechanste sa an Israël.” \p Men fis Benjamin yo te refize koute vwa a frè yo, fis an Israël yo. \v 14 Fis a Benjamin yo te rasanble soti nan vil Guibea yo, pou sòti nan batay kont fis Israël yo. \v 15 Soti nan vil yo, nan jou sa a, fis Benjamin yo te monte ak venn-si-mil mesye ki te rale nepe, anplis moun Guibea ki te konte a sèt-san òm ekstrawòdinè. \v 16 Pami tout moun sa yo, sèt-san \x + \xo 20:16 \xo*\xt Jij 3:15\xt*\x*òm ekstrawòdinè yo se te moun goche. Yo chak ta kapab tire yon wòch avèk fistibal sou yon grenn cheve e yo pa janm pa pran l. \v 17 Alò, lòt mesye Israël yo anplis Benjamin te konte nan kat-san-mil òm ki rale nepe. Tout sila yo se te moun lagè. \p \v 18 Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: \x + \xo 20:18 \xo*\xt Nonb 27:21\xt*\x*“Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?” \p Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.” \p \v 19 Alò, fis Israël yo te leve nan maten, e yo te fè kan kont Guibea. \v 20 Mesye Israël yo te sòti pou batay kont Benjamin e mesye Israël yo te pran pozisyon batay kont yo nan Guibea. \v 21 Alò, fis Benjamin yo te parèt deyò nan Guibea, e yo te \x + \xo 20:21 \xo*\xt Jij 20:25\xt*\x*fè tonbe atè nan jou sa a, venn-de-mil òm nan Izrayelit yo. \v 22 Men pèp la, mesye Israël yo, te ankouraje youn lòt e te vin pran plas batay la menm kote ke yo te vin parèt nan premye jou a. \v 23 \x + \xo 20:23 \xo*\xt Jos 7:6-7\xt*\x*Fis Israël yo te monte e kriye devan SENYÈ a jis rive nan aswè. Yo te \x + \xo 20:23 \xo*\xt Jij 20:18\xt*\x*fè mande SENYÈ a e te di: “Èske nou dwe pwoche ankò pou fè batay kont fis a frè m yo, Benjamin?” \p Epi SENYÈ a te reponn: “Monte kont li.” \p \v 24 Alò, fis Israël yo te vini kont fis a Benjamin yo nan dezyèm jou a. \v 25 Benjamin te sòti kont yo soti Guibea nan dezyèm jou a e yo te fè tonbe atè, ankò 18,000 òm pami fis Israël yo; tout moun ki te rale nepe yo. \p \v 26 Alò, \x + \xo 20:26 \xo*\xt Jij 20:23\xt*\x*tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a. \v 27 Fis Israël yo te \x + \xo 20:27 \xo*\xt Jij 20:18 \xt*\x*mande devan SENYÈ a (paske lach temwayaj la te la nan jou sa yo, \v 28 epi Phinées, fis a Éléazar a, fis Aaron an, te kanpe devan li pou fè sèvis nan jou sila yo, epi yo te di: “Èske mwen dwe sòti menm yon lòt fwa nan batay kont fis a frè m yo, Benjamin, oswa èske m dwe sispann?” \p Epi SENYÈ a te di: “Monte, \x + \xo 20:28 \xo*\xt Jij 7:9\xt*\x*paske demen Mwen va livre yo nan men nou.” \p \v 29 \x + \xo 20:29 \xo*\xt Jos 8:4\xt*\x*Konsa, Israël te pozisyone mesye yo antoure Guibea pou fè anbiskad. \v 30 Fis Israël yo te monte kont fis Benjamin yo nan twazyèm jou a e yo te pozisyone yo menm jan ke yo te fè nan lòt fwa yo. \v 31 \x + \xo 20:31 \xo*\xt Jos 8:16\xt*\x*Fis Benjamin yo te sòti kont yo e te rale soti kite vil la. Konsa, yo te kòmanse frape e touye kèk moun nan pèp la, menm jan ak lòt fwa yo, sou gran chemen yo, youn ki te monte a Béthel e lòt la Guibea, anviwon trant mesye Izrayelit. \p \v 32 Fis a Benjamin yo te di: “Yo vin frape tonbe devan nou, menm jan ak lòt fwa a.” Men fis Israël yo te di: “Annou sove ale pou nou kapab atire yo kite vil la rive nan gran chemen yo.” \p \v 33 Epi tout fis Israël yo te leve sou plas yo pou te vin parèt nan Baal-Thamar. \x + \xo 20:33 \xo*\xt Jos 8:19\xt*\x*Konsa mesye Israël nan anbiskad yo te sòti nan plas pa yo, kote Maaré-Guibea menm. \v 34 Lè di-mil òm ekstrawòdinè nan tout Israël yo te parèt kont Guibea, batay la te vin fewòs; \x + \xo 20:34 \xo*\xt Jos 8:14\xt*\x*men mesye Benjamin yo pa t konnen ke yon gwo dega t ap pwoche yo. \v 35 Epi SENYÈ a te frape Benjamin devan Israël jiskaske fis Israël yo te detwi venn-senk-mil-san moun nan Benjamin nan jou sa a, tout moun ki te rale nepe yo \v 36 Konsa, fis Benjamin yo te wè ke yo te fin bat yo. Paske \x + \xo 20:36 \xo*\xt Jos 8:5\xt*\x*lè mesye Israël yo te bay teren an a fis Benjamin yo, se te akoz yo te depann de mesye ki t ap fè anbiskad yo, pou yo te voye kont Guibea. \v 37 \x + \xo 20:37 \xo*\xt Jos 8:19\xt*\x*Mesye anbiskad yo te kouri kont Guibea; epi yo te ouvri pou voye frape tout vil la avèk lam nepe. \v 38 Alò, siyal ki te prevwa antre mesye Israël yo ak mesye anbiskad yo se te \x + \xo 20:38 \xo*\xt Jos 8:20\xt*\x*ke yo ta fè yon gran nwaj lafimen leve sòti nan vil la. \v 39 Alò, mesye Israël yo te vire nan batay la e Benjamin te kòmanse frape e touye anviwon trant mesye Izrayelit, \x + \xo 20:39 \xo*\xt Jij 20:32\xt*\x*paske yo te di: “Vrèman, yo detwi devan nou, tankou nan premye batay la.” \v 40 Men lè nwaj la te kòmanse leve sòti lavil la tankou yon pilye gwo lafimen, Benjamit yo te gade \x + \xo 20:40 \xo*\xt Jos 8:20\xt*\x*dèyè yo; epi gade byen, nan tout vil la, lafimen t ap monte vè syèl la. \v 41 Alò, moun Israël yo te vire e mesye Benjamin yo te vin sezi avèk laperèz; paske yo te wè ke yon \x + \xo 20:41 \xo*\xt Pwov 5:22\xt*\x*gwo dega te sou yo. \v 42 Pou sa, yo te vire do devan Israël \x + \xo 20:42 \xo*\xt Jos 8:15-24\xt*\x*vè dezè a, men batay la te vin jwenn yo pandan sila ki te sòti nan vil yo te detwi yo nan mitan li. \v 43 \x + \xo 20:43 \xo*\xt Os 9:9\xt*\x*Yo te vin antoure mesye Benjamin yo; yo te pouswiv yo san repo e yo te foule yo anba pye anfas Guibea vè lès la. \v 44 Konsa, diz-uit-mil òm a Benjamin te tonbe; tout sila yo se te vanyan gèrye. \v 45 Rès yo te sove ale vè dezè a nan wòch Rimmon. \x + \xo 20:45 \xo*\xt Jij 21:13 \xt*\x*Men yo te kenbe senk-mil nan yo sou chemen e te vin rive sou yo nan Guideom. Yo te touye de-mil nan yo. \v 46 Konsa, tout Benjamit ki te tonbe nan jou sa yo se te venn-senk-mil òm ki te rale nepe; tout sila yo se te vanyan gèrye. \v 47 Men sis-san òm te vire kouri vè dezè a nan wòch Rimmon e yo te rete nan wòch Rimmon pandan kat mwa. \v 48 Mesye Israël yo, alò, te vire retounen kont fis a Benjamin yo pou te frape yo avèk lam nepe, tout vil la avèk bèt yo ak tout sa ke yo te twouve. Anplis, yo te mete dife nan tout vil ke yo te twouve yo. \c 21 \p \v 1 Alò, mesye Israël yo \x + \xo 21:1 \xo*\xt Jij 21:7-18\xt*\x*te deja sèmante nan Mitspa. Yo te di: “Pa gen nan nou menm k ap bay fi li a Benjamin nan maryaj.” \v 2 \x + \xo 21:2 \xo*\xt Jij 20:26\xt*\x*Konsa, pèp la te vini Béthel e yo te chita la devan Bondye jis rive nan aswè, epi yo te leve vwa yo e te kriye amè. \v 3 Yo te di: “Poukisa, O SENYÈ, Bondye Israël la, èske bagay sa a vin rive an Israël pou youn nan tribi yo jodi a ta vin disparèt an Israël?” \v 4 Li te vin rive nan pwochen jou an ke pèp la te leve bonè. Yo te bati \x + \xo 21:4 \xo*\xt Det 12:5\xt*\x*yon lotèl e yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè. \v 5 Konsa, fis Israël yo te di: “Kilès ki pami tout tribi Israël yo ki pa t monte nan asanble SENYÈ a?” Paske, yo te fè yon gran ve pou sila \x + \xo 21:5 \xo*\xt Jij 5:23\xt*\x*ki pa monte vè SENYÈ a nan Mitspa, epi yo te di: “Li va vrèman vin mete a lanmò.” \v 6 Fis Israël yo te tris; yo te plen regrè pou Benjamin, frè parèy yo a, e yo te di: “Yon tribi vin koupe nèt sou Israël jodi a. \v 7 Kisa nou ap fè pou twouve madanm pou sila ki rete yo, akoz nou te \x + \xo 21:7 \xo*\xt Jij 21:1\xt*\x*sèmante pa SENYÈ a pou nou pa bay okenn nan fi pa nou yo nan maryaj?” \v 8 Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a. \v 9 Paske, lè pèp la te konte, gade byen, pèsòn nan sila ki rete Jabès-Galaad yo pa t la. \v 10 Konsa, kongregasyon an te voye douz-mil gèrye vanyan rive la e yo te pase lòd di yo konsa: \x + \xo 21:10 \xo*\xt Nonb 31:17\xt*\x*“Ale frape sila ki rete Jabès-Galaad yo avèk lam nepe, ni fanm yo ak pitit yo. \v 11 Men kisa ou va fè, ou \x + \xo 21:11 \xo*\xt Nonb 31:17\xt*\x*va detwi nèt tout gason ak tout fanm ki gen tan kouche avèk yon gason.” \v 12 Epi yo te jwenn pami moun Jabès-Galaad yo, kat-san jèn vyèj ki pa t konnen yon gason kouche avèk li. Konsa, yo te mennen yo nan kan an Silo ki nan peyi Kananeyen yo. \v 13 Epi tout kongregasyon an te voye pale avèk fis Benjamin ki te nan wòch Rimmon yo e te deklare lapè pou yo.\x + \xo 21:13 \xo*\xt Jij 20:47; Det 20:10\xt*\x* \v 14 Nan lè sa a, Benjamin te retounen e yo te bay yo kat-san fi ke yo te kenbe vivan soti Jabès-Galaad. Men, li poko te kont pou yo. \v 15 Konsa, pèp la te tris e te plen regrè pou fis Benjamin yo paske SENYÈ a te fè yon brèch nan tribi Israël yo. \v 16 Epi ansyen nan kongregasyon yo te vin di: “Kisa nou va fè pou sila ki rete toujou, kòmsi fanm nan Benjamin yo detwi?” \v 17 Yo te di: “Fòk gen eritaj pou retay Benjamin an, jis pou tribi a pa efase nèt sou Israël. \v 18 Alò, nou pa kab ba yo madanm pami fi nou yo.” Paske fis Israël yo te sèmante e yo te di: \x + \xo 21:18 \xo*\xt Jij 21:1\xt*\x*“Modi se sila ki bay yon madanm a Benjamin.” \v 19 Konsa, yo te di: “Gade byen, gen yon fèt a SENYÈ a chak ane nan \x + \xo 21:19 \xo*\xt Jos 18:1\xt*\x*Silo, ki nan kote nò a Béthel, sou lès a gran chemen ki monte soti Béthel pou rive Sichem nan, vè kote sid a Lebona.” \v 20 Pou sa a, yo te kòmande fis Benjamin yo konsa: “Ale kache tann nan chan rezen yo, \v 21 epi gade byen, veye, si fi a Silo yo sòti deyò pou patisipe nan dans lan, nou va sòti nan chan rezen yo, e nou chak va kouri kenbe madanm li pami fi a Silo yo e ale avè l nan peyi Benjamin? \v 22 Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’” \v 23 Konsa fis a Benjamin yo te fè e te pran madanm selon fòs kantite yo pami sila ki te danse yo, pou yo te pote ale. Konsa, yo te ale retounen nan eritaj pa yo, e te \x + \xo 21:23 \xo*\xt Jij 20:48\xt*\x*rebati vil pa yo pou te viv ladan yo. \v 24 Fis Israël yo te pati la nan lè sa a, chak òm ak pwòp tribi ak fanmi li, e yo chak te sòti la pou rive nan pwòp eritaj pa yo. \v 25 \x + \xo 21:25 \xo*\xt Jij 17:6\xt*\x*Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Tout moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa yo.