\id JAS \ide UTF-8 \h Jacques \toc1 JACQUES \toc2 Jacques \toc3 Jc \mt1 JACQUES \c 1 \p \v 1 \x + \xo 1:1 \xo*\xt Trav 12:17\xt*\x*Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon. \p \v 2 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Mat 5:12; I Pi 1:6\xt*\x*Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo \v 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi \x + \xo 1:3 \xo*\xt Luc 21:19\xt*\x*andirans. \v 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin \x + \xo 1:4 \xo*\xt Mat 5:48\xt*\x*pafè e konplè, san manke anyen. \p \v 5 Men si nenpòt nan nou manke sajès,\x + \xo 1:5 \xo*\xt I Wa 3:9; Mat 7:7\xt*\x* kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. \v 6 Men li dwe \x + \xo 1:6 \xo*\xt Mat 21:21\xt*\x*mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. \v 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, \v 8 tankou yon moun ak \x + \xo 1:8 \xo*\xt Jc 4:8\xt*\x*doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo. \p \v 9 \x + \xo 1:9 \xo*\xt Luc 14:11\xt*\x* Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li; \v 10 e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske \x + \xo 1:10 \xo*\xt I Kor 7:31\xt*\x*tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt. \v 11 Paske solèy la leve avèk yon \x + \xo 1:11 \xo*\xt Mat 20:12\xt*\x*gwo chalè, epi \x + \xo 1:11 \xo*\xt És 40:7\xt*\x*zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt. \p \v 12 \x + \xo 1:12 \xo*\xt Luc 6:22\xt*\x* Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo. \v 13 Pa kite pèsòn di lè l tante: \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jen 22:1\xt*\x*“Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. \v 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. \v 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè \x + \xo 1:15 \xo*\xt Wo 5:12\xt*\x*peche a fin akonpli, li pote lanmò. \p \v 16 \x + \xo 1:16 \xo*\xt I Kor 6:9\xt*\x*Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo. \p \v 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. \v 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te \x + \xo 1:18 \xo*\xt I Pi 1:3,23\xt*\x*fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankou\x + \xo 1:18 \xo*\xt Rev 14:4\xt*\x*premye fwi pami kreyati Li yo. \p \v 19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, \x + \xo 1:19 \xo*\xt Pwov 10:19\xt*\x*lan nan pale, e lan nan fè kòlè. \v 20 Paske \x + \xo 1:20 \xo*\xt Mat 5:22\xt*\x*kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye. \p \v 21 Konsa, annou \x + \xo 1:21 \xo*\xt Ef 4:22\xt*\x*mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou. \p \v 22 \x + \xo 1:22 \xo*\xt Mat 7:24-27\xt*\x*Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. \v 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li \x + \xo 1:23 \xo*\xt I Kor 13:12\xt*\x*nan yon miwa. \v 24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a. \p \v 25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va \x + \xo 1:25 \xo*\xt Jn 13:17\xt*\x*beni nan sa li fè. \p \v 26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa \x + \xo 1:26 \xo*\xt Sòm 39:1\xt*\x*mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè. \p \v 27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach \x + \xo 1:27 \xo*\xt II Pi 1:4\xt*\x*de mond lan. \c 2 \p \v 1 Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk \x + \xo 2:1 \xo*\xt Trav 10:34\xt*\x*patipri. \p \v 2 Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak \x + \xo 2:2 \xo*\xt Za 3:3\xt*\x*rad sal, \v 3 epi nou prete atansyon espesyal a sila ki \x + \xo 2:3 \xo*\xt Luc 23:11\xt*\x*byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, \v 4 Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij \x + \xo 2:4 \xo*\xt Luc 18:6\xt*\x*avèk move lentansyon? \p \v 5 Koute, frè byeneme m yo, èske \x + \xo 2:5 \xo*\xt Job 34:19\xt*\x*Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e \x + \xo 2:5 \xo*\xt Mat 5:3\xt*\x*eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? \v 6 Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. \v 7 \x + \xo 2:7 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la? \p \v 8 Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: \x + \xo 2:8 \xo*\xt Lev 19:18\xt*\x*“Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen. \p \v 9 Men si nou \x + \xo 2:9 \xo*\xt Trav 10:34\xt*\x*montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. \v 10 Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li \x + \xo 2:10 \xo*\xt Jc 3:2\xt*\x*tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. \v 11 Paske, Sila a ki te di: \x + \xo 2:11 \xo*\xt Egz 20:14\xt*\x*“Pa fè adiltè” a, Li te di tou: \x + \xo 2:11 \xo*\xt Det 5:17\xt*\x*“Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa. \v 12 Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa \x + \xo 2:12 \xo*\xt Jc 1:25\xt*\x*lalwa libète a. \v 13 Paske \x + \xo 2:13 \xo*\xt Pwov 21:13\xt*\x*jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman. \p \v 14 \x + \xo 2:14 \xo*\xt Jc 1:22\xt*\x*Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? \v 15 \x + \xo 2:15 \xo*\xt Mat 25:35\xt*\x*Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, \v 16 epi youn nan nou di yo: \x + \xo 2:16 \xo*\xt I Jn 3:17\xt*\x*“Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? \v 17 Menm jan an \x + \xo 2:17 \xo*\xt Gal 5:6\xt*\x*lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li. \p \v 18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m \x + \xo 2:18 \xo*\xt Wo 3:28\xt*\x*lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.” \p \v 19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. \x + \xo 2:19 \xo*\xt Mat 8:29\xt*\x*Demon yo kwè tou, e yo tranble. \v 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke \x + \xo 2:20 \xo*\xt Gal 5:6\xt*\x*lafwa san zèv vin initil? \v 21 \x + \xo 2:21 \xo*\xt Jen 22:9,10,12,16-18\xt*\x*Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? \v 22 Nou wè ke \x + \xo 2:22 \xo*\xt Eb 11:17\xt*\x*lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, \x + \xo 2:22 \xo*\xt I Tes 1:3\xt*\x*zèv lafwa li a te vin pafè. \v 23 Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: \x + \xo 2:23 \xo*\xt Jen 15:6\xt*\x*“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. \v 24 Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. \v 25 Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? \v 26 Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou \x + \xo 2:26 \xo*\xt Gal 5:6\xt*\x*lafwa san zèv deja mouri. \c 3 \p \v 1 \x + \xo 3:1 \xo*\xt Wo 2:20\xt*\x*Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè. \p \v 2 Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. \x + \xo 3:2 \xo*\xt Mat 12:34-37\xt*\x*Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an. \p \v 3 Koulye a \x + \xo 3:3 \xo*\xt Sòm 32:9\xt*\x*si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou. \p \v 4 Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. \v 5 Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li \x + \xo 3:5 \xo*\xt Sòm 12:3\xt*\x*vante gwo bagay. \p \x + \xo 3:5 \xo*\xt Pwov 26:20\xt*\x*Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! \v 6 Konsa \x + \xo 3:6 \xo*\xt Sòm 120:2,3\xt*\x*lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a. \p \v 7 Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. \v 8 Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak \x + \xo 3:8 \xo*\xt Sòm 140:3\xt*\x*pwazon mòtèl. \p \v 9 Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun \x + \xo 3:9 \xo*\xt Jen 1:26\xt*\x*ki fèt ak limaj Bondye. \v 10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa. \p \v 11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? \v 12 \x + \xo 3:12 \xo*\xt Mat 7:16\xt*\x*Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre. \p \v 13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa \x + \xo 3:13 \xo*\xt I Pi 2:12\xt*\x*bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la. \p \v 14 Men si nou gen \x + \xo 3:14 \xo*\xt Wo 2:8\xt*\x*jalouzi, fachez ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. \v 15 Kalite sajès sa a pa sòti \x + \xo 3:15 \xo*\xt Jc 1:17\xt*\x*anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. \v 16 Paske kote \x + \xo 3:16 \xo*\xt Wo 2:8\xt*\x*jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay. \p \v 17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san \x + \xo 3:17 \xo*\xt Wo 12:9\xt*\x*ipokrizi. \v 18 Konsa, \x + \xo 3:18 \xo*\xt Pwov 11:18\xt*\x*grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo. \c 4 \p \v 1 Kisa ki sous kont ak konfli \x + \xo 4:1 \xo*\xt Tit 3:9\xt*\x*pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè \x + \xo 4:1 \xo*\xt Wo 7:23\xt*\x*lagè nan manm kò nou yo? \v 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk \x + \xo 4:2 \xo*\xt Jc 5:6\xt*\x*nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. \v 3 Nou mande e nou \x + \xo 4:3 \xo*\xt I Jn 3:22\xt*\x*pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo. \p \v 4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se \x + \xo 4:4 \xo*\xt Wo 8:7\xt*\x*rayisman anvè Bondye? \x + \xo 4:4 \xo*\xt Mat 6:24\xt*\x*Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye. \p \v 5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: \x + \xo 4:5 \xo*\xt I Kor 6:19\xt*\x* “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?” \p \v 6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: \x + \xo 4:6 \xo*\xt Pwov 3:34\xt*\x*“Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.” \p \v 7 Konsa \x + \xo 4:7 \xo*\xt I Pi 5:6\xt*\x*soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. \v 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. \x + \xo 4:8 \xo*\xt Job 17:9\xt*\x*Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. \v 9 \x + \xo 4:9 \xo*\xt Pwov 14:13\xt*\x*Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. \v 10 \x + \xo 4:10 \xo*\xt Job 5:11\xt*\x*Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve. \p \v 11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. \v 12 Gen \x + \xo 4:12 \xo*\xt És 33:22\xt*\x*yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an? \p \v 13 Vini koulye a, nou menm, ki di: \x + \xo 4:13 \xo*\xt Pwov 27:1\xt*\x*“Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” \v 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? \x + \xo 4:14 \xo*\xt Job 7:7\xt*\x*Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. \v 15 Olye de sa, nou ta dwe di: \x + \xo 4:15 \xo*\xt Trav 18:21\xt*\x*“Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.” \p \v 16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. \x + \xo 4:16 \xo*\xt I Kor 5:6\xt*\x*Tout ògèy konsa, se mechanste. \v 17 Alò \x + \xo 4:17 \xo*\xt Luc 12:47\xt*\x*a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche. \c 5 \p \v 1 Vini koulye a \x + \xo 5:1 \xo*\xt Luc 6:24\xt*\x*nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. \v 2 \x + \xo 5:2 \xo*\xt És 50:9\xt*\x*Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. \v 3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan \x + \xo 5:3 \xo*\xt Jc 5:7,8\xt*\x*dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a! \v 4 Veye \x + \xo 5:4 \xo*\xt Lev 19:13\xt*\x*salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi \x + \xo 5:4 \xo*\xt Egz 2:23\xt*\x*kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la. \p \v 5 Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa. \v 6 Nou te kondane e \x + \xo 5:6 \xo*\xt Jc 4:2\xt*\x*mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou. \p \v 7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan \x + \xo 5:7 \xo*\xt Jn 21:22\xt*\x*jiskaske Senyè a vini. \x + \xo 5:7 \xo*\xt Gal 6:9\xt*\x*Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. \v 8 \x + \xo 5:8 \xo*\xt Luc 21:19\xt*\x*Nou menm tou, se pou nou pasyan. \x + \xo 5:8 \xo*\xt I Tes 3:13\xt*\x*Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè. \p \v 9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade \x + \xo 5:9 \xo*\xt Kol 4:5\xt*\x*Jij la kanpe \x + \xo 5:9 \xo*\xt Mat 24:33\xt*\x*jis devan pòt la. \p \v 10 Frè m yo, pran \x + \xo 5:10 \xo*\xt Mat 5:12\xt*\x*pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. \v 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm \x + \xo 5:11 \xo*\xt Mat 5:10\xt*\x*beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen \x + \xo 5:11 \xo*\xt Egz 34:6\xt*\x*Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd. \p \v 12 Men, anplis de tout bagay, frè m yo \x + \xo 5:12 \xo*\xt Mat 5:34-37\xt*\x*pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman. \p \v 13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? \x + \xo 5:13 \xo*\xt Sòm 50:15\xt*\x*Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. \v 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e \x + \xo 5:14 \xo*\xt Mc 6:13\xt*\x*onksyone li ak lwil nan non Senyè a. \v 15 Konsa, \x + \xo 5:15 \xo*\xt Jc 1:6\xt*\x*priyè la ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va \x + \xo 5:15 \xo*\xt Jn 6:39\xt*\x*fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. \v 16 Konsa \x + \xo 5:16 \xo*\xt Mat 3:6\xt*\x*konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab \x + \xo 5:16 \xo*\xt Eb 12:13\xt*\x*geri. \p Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. \v 17 Élie se te \x + \xo 5:17 \xo*\xt Trav 14:15\xt*\x*yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e \x + \xo 5:17 \xo*\xt I Wa 17:1\xt*\x*li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. \v 18 Answit, li te \x + \xo 5:18 \xo*\xt I Wa 18:42\xt*\x*priye ankò, epi \x + \xo 5:18 \xo*\xt I Wa 18:45\xt*\x*syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li. \p \v 19 Frè m yo \x + \xo 5:19 \xo*\xt Mat 18:15\xt*\x*si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen, \v 20 fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va \x + \xo 5:20 \xo*\xt Wo 11:14\xt*\x*sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.