\id ISA \ide UTF-8 \h Ésaïe \toc1 ÉSAÏE \toc2 Ésaïe \toc3 És \mt1 ÉSAÏE \c 1 \p \v 1 Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak \x + \xo 1:1 \xo*\xt II Wa 18:1-20 \xt*\x*Ézéchias, wa Juda yo. \q1 \v 2 Koute O syèl yo e tande O latè; \q1 paske SENYÈ a pale: \q1 “Fis Mwen leve yo, \q1 men yo \x + \xo 1:2 \xo*\xt És 30:1-9 \xt*\x*fè rebèl kont Mwen. \q1 \v 3 Yon bèf konnen mèt li \q1 e yon bourik manjwa a mèt li, \q1 men Israël \x + \xo 1:3 \xo*\xt Jr 9:3\xt*\x*pa konsa. \q1 Pèp Mwen an pa reflechi.” \q1 \v 4 Elas, yon nasyon plen peche, \q1 yon pèp peze avèk inikite, \q1 \x + \xo 1:4 \xo*\xt És 14:20\xt*\x*ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi! \q1 Yo te abandone SENYÈ a; \q1 yo te meprize Sila Ki Sen Israël la. \q1 Yo te vire kite Li nèt! \q1 \v 5 Se ki bo nou va pran so ankò? \q1 \x + \xo 1:5 \xo*\xt És 31:6\xt*\x*Poukisa nou mache fè rebèl san rete? \q1 Tout tèt la malad e tout kè a fèb. \q1 \v 6 \x + \xo 1:6 \xo*\xt Job 2:7\xt*\x*Depi nan pla pye jis rive nan tèt, \q1 nanpwen anyen ak sante ladann, \q1 sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese. \q1 Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil. \q1 \v 7 \x + \xo 1:7 \xo*\xt Lev 26:33\xt*\x*Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife. \q1 Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou; \q1 se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li. \q1 \v 8 Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl \q1 nan yon chan rezen, \q1 tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb, \q1 tankou yon vil ki anba syèj. \q1 \v 9 \x + \xo 1:9 \xo*\xt Wo 9:29\xt*\x*Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, \q1 nou t ap tankou Sodome, \q1 nou t ap sanble ak Gomorrhe. \b \q1 \v 10 Tande pawòl SENYÈ a, nou menm, chèf \x + \xo 1:10 \xo*\xt És 3:9 \xt*\x*Sodome yo; \q1 bay zòrèy nou enstriksyon Bondye nou a, \q1 nou menm pèp Gomorrhe. \q1 \v 11 \x + \xo 1:11 \xo*\xt Sòm 50:8\xt*\x*“Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye \q1 k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a. \q1 Mwen fin resevwa kont ofrann brile \q1 a belye ak grès a bèf gra yo. \q1 Mwen pa pran plezi nan san towo yo, \q1 jenn mouton, ni kabrit. \q1 \v 12 Lè nou vin \x + \xo 1:12 \xo*\xt Egz 23:17\xt*\x*parèt devan M, \q1 kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa? \q1 \v 13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; \q1 lansan vin abominab devan M. \q1 Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— \q1 Mwen pa ka \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jr 7:9-10\xt*\x*sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la. \q1 \v 14 Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo. \q1 Yo vin yon gwo fado pou mwen. \q1 Mwen \x + \xo 1:14 \xo*\xt És 7:13 \xt*\x*fatige sipòte yo. \q1 \v 15 Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, \q1 Mwen va kache zye M de nou menm. \q1 Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. \q1 Men nou kouvri ak san. \q1 \v 16 Lave nou pou nou vin pwòp; \q1 retire zak malonèt nou yo devan zye M. \q1 \x + \xo 1:16 \xo*\xt Jr 25:5 \xt*\x*Sispann fè mechanste. \q1 \v 17 Aprann fè sa ki bon; \q1 chache lajistis, \q1 fè sekou oprime yo, \q1 defann òfelen yo, \q1 plede ka a vèv la. \b \q1 \v 18 “Alò, vini koulye a; \x + \xo 1:18 \xo*\xt És 41:1-21\xt*\x*annou rezone ansanm, di SENYÈ a: \q1 “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj; \q1 malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len. \q1 \v 19 Si nou vin dakò e obeyi, \q1 nou va \x + \xo 1:19 \xo*\xt És 55:2 \xt*\x*manje pi bon bagay ki gen nan peyi a; \q1 \v 20 men si nou refize, e fè rebèl, \q1 nou va devore pa nepe.” \q1 Anverite, \x + \xo 1:20 \xo*\xt És 40:5 \xt*\x*bouch SENYÈ a fin pale.” \b \q1 \v 21 Gade vil fidèl la vin devni yon \x + \xo 1:21 \xo*\xt És 57:3-9\xt*\x*pwostitiye! \q1 Sila ki te konn plen ak jistis la! \q1 Nan yon lè, ladwati te rete nan li, \q1 men koulye a, se asasen yo ye. \q1 \v 22 Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim \q1 e bwason ou vin mele ak dlo. \q1 \v 23 \x + \xo 1:23 \xo*\xt Os 5:10\xt*\x*Chèf ou yo se rebèl yo ye \q1 k ap fè zanmi parèy ak volè. \q1 Se yo tout ki renmen resevwa \q1 anba tab ak kouri dèyè benifis. \q1 Yo pa defann òfelen an, \q1 ni ka a vèv la pa rive devan yo. \b \q1 \v 24 Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo, \q1 Toupwisan Israël la, deklare: \q1 “Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo; \q1 M ap \x + \xo 1:24 \xo*\xt Det 28:63\xt*\x*pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo. \q1 \v 25 Mwen va vire men m kont nou \q1 e Mwen va \x + \xo 1:25 \xo*\xt Éz 22:19-22\xt*\x*fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv, \q1 pou l pa gen metal ki rete. \q1 \v 26 Mwen va restore \x + \xo 1:26 \xo*\xt És 60:17\xt*\x*jij nou yo tankou nan kòmansman an \q1 ak konseye yo jan lè nou te fenk kòmanse a. \q1 Apre sa, yo va rele nou vil ladwati, \q1 yon vil ki fidèl. \q1 \v 27 Sion va \x + \xo 1:27 \xo*\xt És 35:9\xt*\x*rachte ak lajistis, e sila ki repanti ladann yo va plen ladwati a. \q1 \v 28 Men transgresè ak pechè yo va \x + \xo 1:28 \xo*\xt Sòm 9:5\xt*\x*kraze ansanm, \q1 e sila ki abandone SENYÈ yo va vin disparèt nèt. \q1 \v 29 Anverite, nou va wont pou bwadchenn ke nou te pito yo, \q1 e nou va wont pou \x + \xo 1:29 \xo*\xt És 65:3 \xt*\x*jaden ke nou te pito yo. \q1 \v 30 Paske nou va tankou yon bwadchenn ak \x + \xo 1:30 \xo*\xt És 64:6\xt*\x*fèy ki fennen, \q1 oswa tankou yon jaden ki pa gen dlo menm. \q1 \v 31 Sila ki pwisan an va devni retay pishpèn. \q1 Zèv li yo anplis va tankou etensèl dife. \q1 Konsa, y ap brile ansanm \q1 e p ap gen moun ki pou fè yo etenn.” \c 2 \p \v 1 Pawòl ke \x + \xo 2:1 \xo*\xt És 66:24\xt*\x*Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem. \q1 \v 2 Alò, li va vin rive \x + \xo 2:2 \xo*\xt Mi 4:1-3\xt*\x*nan dènye jou yo, \q1 ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. \q1 Li va leve pi wo pase kolin yo, \q1 e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li. \q1 \v 3 Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: \q1 Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, \q1 lakay Bondye a Jacob la; \q1 pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, \q1 e pou nou kapab mache nan pa Li yo. \q1 Paske lalwa a va sòti fè parèt \x + \xo 2:3 \xo*\xt És 51:4-5\xt*\x*soti nan Sion, \q1 e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem. \q1 \v 4 Li va jije pami nasyon yo, \q1 e Li va rann desizyon pou anpil pèp. \q1 Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a, \q1 ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo. \q1 Nasyon p ap leve nepe kont nasyon \q1 e jis pou tout tan, \q1 yo p ap vin aprann fè lagè ankò. \b \q1 \v 5 Vini lakay Jacob; \q1 annou mache nan \x + \xo 2:5 \xo*\xt És 60:1-20\xt*\x*limyè SENYÈ a. \q1 \v 6 Paske ou te \x + \xo 2:6 \xo*\xt Det 31:17\xt*\x*abandone pèp Ou a, lakay Jacob, \q1 akoz yo plen ak jan de panse yo \q1 ki sòti nan lès; \q1 akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, \q1 k ap antann yo ak pitit a etranje yo. \q1 \v 7 Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò \q1 e pou richès yo, nanpwen fen. \q1 Peyi yo osi vin plen ak cheval yo, \q1 e ak cha lagè yo, nanpwen fen. \q1 \v 8 Peyi yo anplis \x + \xo 2:8 \xo*\xt És 10:11\xt*\x*plen ak zidòl; \q1 yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè. \q1 \v 9 Pou sa, lòm vin imilye; \q1 e limanite vin bese. \q1 Konsa, \x + \xo 2:9 \xo*\xt Né 4:5\xt*\x*pa padone yo. \q1 \v 10 Antre nan wòch, \q1 e kache nan pousyè, \q1 kont \x + \xo 2:10 \xo*\xt II Tes 1:9 \xt*\x*laperèz SENYÈ a, \q1 kont mayifisans ak majeste li. \q1 \v 11 \x + \xo 2:11 \xo*\xt És 5:15\xt*\x*Ògèy a lòm va vin bese \q1 e wotè a lòm va vin imilye. \q1 E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte. \b \q1 \v 12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman \q1 kont nenpòt moun \x + \xo 2:12 \xo*\xt Job 40:11-12\xt*\x*ki ògeye, e ki awogan; \q1 nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li. \q1 \v 13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo, \q1 e ki leve tèt yo wo, \q1 kont tout \x + \xo 2:13 \xo*\xt Za 11:2\xt*\x*chenn Basan yo. \q1 \v 14 Kont tout \x + \xo 2:14 \xo*\xt És 40:4\xt*\x* mòn wo yo, \q1 kont tout kolin ki leve wo yo, \q1 \v 15 Kont tout \x + \xo 2:15 \xo*\xt És 25:12\xt*\x*fò wo yo, \q1 kont tout miray fòtifye yo, \q1 \v 16 Kont tout \x + \xo 2:16 \xo*\xt I Wa 10:22\xt*\x*bato Tarsis yo, \q1 kont tout sa ki bèl pou wè yo. \q1 \v 17 Ògèy a lòm va vin imilye \q1 e wotè a lòm va vin desann. \q1 Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a. \q1 \v 18 Men \x + \xo 2:18 \xo*\xt És 21:9\xt*\x*zidòl yo va vin disparèt nèt. \q1 \v 19 Tout moun va \x + \xo 2:19 \xo*\xt És 2:10\xt*\x*antre nan kav pami wòch yo, \q1 ak nan twou tè a, \q1 devan gran laperèz SENYÈ a, \q1 ak gwo bagay etonnan de majeste Li, \q1 lè Li leve pou fè tè a tranble. \q1 \v 20 Nan jou sa a, tout moun va \x + \xo 2:20 \xo*\xt És 30:22\xt*\x*jete deyò rat ak chòv-sourit, \q1 zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, \q1 ke yo te fè pou yo menm ta adore, \q1 \v 21 pou yo ka \x + \xo 2:21 \xo*\xt És 2:19\xt*\x*antre nan kav wòch \q1 ak twou wòch nan falèz yo, \q1 pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ, \q1 ak gwo bagay etonan a majeste Li a, \q1 lè Li leve pou fè latè tranble. \q1 \v 22 Sispann mete konfyans nan lòm; \q1 souf vi li se sèl nan nen l. \q1 \x + \xo 2:22 \xo*\xt És 40:15-17 \xt*\x*Kisa li vo? \c 3 \p \v 1 Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va \x + \xo 3:1 \xo*\xt Lev 26:26\xt*\x*retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo, \q1 tout sa ki pou founi pen \q1 e tout sa ki pou founi dlo; \q1 \v 2 \x + \xo 3:2 \xo*\xt II Wa 24:14\xt*\x*Nonm pwisan an, \q1 gèrye la, \q1 jij ak pwofèt la, \q1 divinò a ak ansyen an, \q1 \v 3 Kapitèn dè senkant yo, \q1 nonm ki resevwa onè a, \q1 konseye a, \q1 atizan an, \q1 ak sila ki fò nan fè wanga a. \q1 \v 4 Konsa, Mwen va fè \x + \xo 3:4 \xo*\xt Ekl 10:16\xt*\x*senp tigason yo vin chèf sou yo, \q1 e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo. \q1 \v 5 Epi pèp la va \x + \xo 3:5 \xo*\xt Mi 7:3-6\xt*\x*oprime, \q1 youn pa yon lòt e chak pa vwazen li; \q1 jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo \q1 e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a. \q1 \v 6 Lè yon nonm \x + \xo 3:6 \xo*\xt És 4:1\xt*\x*mete men l sou frè l lakay papa l, epi di: \q1 “Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an, \q1 e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”, \q1 \v 7 Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di: \q1 “Se pa mwen menm k ap \x + \xo 3:7 \xo*\xt Éz 34:4\xt*\x*geri nou an; \q1 paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto; \q1 se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.” \q1 \v 8 Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz \q1 pawòl ak zak yo kont SENYÈ a; \q1 pou yo \x + \xo 3:8 \xo*\xt És 65:3 \xt*\x*fè rebèl kont prezans sen Li an. \q1 \v 9 Vizaj figi yo fè temwen kont yo, \q1 e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. \q1 Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! \q1 Paske yo \x + \xo 3:9 \xo*\xt Pwov 8:36\xt*\x*mennen mal la vin tonbe sou yo. \q1 \v 10 Di a \x + \xo 3:10 \xo*\xt Det 28:1-14\xt*\x*moun dwat yo sa prale byen pou yo, \q1 paske yo va manje fwi a zèv yo. \q1 \v 11 Malè a mechan an! \q1 Sa prale mal pou li. \q1 Paske \x + \xo 3:11 \xo*\xt Det 28:15-68\xt*\x*sa li merite a, se sa k ap rive li. \q1 \v 12 O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun \q1 ak fanm ki gouvène sou yo. \q1 O pèp Mwen an! \x + \xo 3:12 \xo*\xt És 9:16 \xt*\x*Sila k ap gide ou yo, egare ou, \q1 e konfonn direksyon chemen nou yo. \b \q1 \v 13 Se \x + \xo 3:13 \xo*\xt És 66:16\xt*\x*SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo \q1 e ki kanpe pou jije pèp la. \q1 \v 14 SENYÈ a \x + \xo 3:14 \xo*\xt Job 22:4\xt*\x*antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a. \q1 “Se nou ki te devore chan rezen an; \q1 piyaj malere a fèt anndan lakay nou. \q1 \v 15 Se kilès ki bannou dwa pou \x + \xo 3:15 \xo*\xt Sòm 94:5\xt*\x*kraze pèp Mwen an, \q1 e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale. \b \q1 \v 16 Anplis SENYÈ a di: “Akoz \x + \xo 3:16 \xo*\xt Kan 3:11\xt*\x*fi a Sion yo ògeye, \q1 mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi, \q1 mache ak ti pa kout pou atire zye gason, \q1 e fè sone tout ti son braslè sou pye yo. \q1 \v 17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, \q1 e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.” \p \v 18 Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, \x + \xo 3:18 \xo*\xt Jij 8:21-26\xt*\x*dekorasyon kwasan yo, \v 19 zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, \v 20 \x + \xo 3:20 \xo*\xt Egz 29:38\xt*\x*dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, \v 21 bag dwèt yo, \x + \xo 3:21 \xo*\xt Jen 24:47\xt*\x*zanno nen yo. \v 22 Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, \v 23 miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo. \q1 \v 24 Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous, \q1 ap gen move odè pouriti; \q1 olye se sentiwon, ap gen yon kòd; \q1 olye se \x + \xo 3:24 \xo*\xt I Pi 3:3\xt*\x*cheve swa byen ranje, \q1 ap gen yon tèt chòv; \q1 olye se bèl vètman, ya mete twal sak; \q1 epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote. \q1 \v 25 Gason nou yo va \x + \xo 3:25 \xo*\xt És 1:20\xt*\x*tonbe devan nepe, \q1 ak moun pwisan nou yo nan batay. \q1 \v 26 Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon, \q1 doulè ak dezolasyon nèt. Li va \x + \xo 3:26 \xo*\xt Lam 2:10\xt*\x*chita atè. \c 4 \p \v 1 Paske sèt fanm va kenbe \x + \xo 4:1 \xo*\xt Jen 30:23\xt*\x*yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!” \p \v 2 Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo. \v 3 Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen— tout moun ki anrejistre pou \x + \xo 4:3 \xo*\xt Egz 32:32 \xt*\x* lavi Jérusalem yo \v 4 lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak \x + \xo 4:4 \xo*\xt És 1:31 \xt*\x*lespri brile a. \v 5 SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon \x + \xo 4:5 \xo*\xt Egz 13:21-22\xt*\x*nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti. \v 6 Va gen \x + \xo 4:6 \xo*\xt Sòm 27:5\xt*\x*abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli. \c 5 \q1 \v 1 Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li. \q1 Byeneme m nan te gen yon \x + \xo 5:1 \xo*\xt Sòm 80:8\xt*\x*chan rezen sou yon kolin byen fètil. \q1 \v 2 Li te fouye toupatou li, \q1 retire wòch li yo, \q1 e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. \q1 \x + \xo 5:2 \xo*\xt Jr 2:21\xt*\x*Li te bati yon fò nan mitan l, \q1 e te fouye yon basen diven ladann. \q1 Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo, \q1 men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon. \b \q1 \v 3 Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, \q1 \x + \xo 5:3 \xo*\xt Mat 21:40\xt*\x*jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an. \q1 \v 4 \x + \xo 5:4 \xo*\xt II Kwo 36:16\xt*\x*Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? \q1 Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, \q1 li te vin pwodwi sa ki pa bon yo? \q1 \v 5 Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a: \q1 Mwen va retire kloti li e li va brile; \q1 Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt. \q1 \v 6 Mwen va gaye gate l nèt. \q1 Li p ap koupe ni sèkle ak wou, \q1 men pikan ak zepin va vin leve nan li. \q1 Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo \q1 pou \x + \xo 5:6 \xo*\xt I Wa 8:35 \xt*\x*lapli pa tonbe ladann. \q1 \v 7 Paske \x + \xo 5:7 \xo*\xt Sòm 80:8-11\xt*\x*chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël, \q1 e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a. \q1 Konsa, Li t ap chache jistis; \q1 men olye sa Li te jwenn san vèse; \q1 pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”. \b \q1 \v 8 Malè a sila ki ogmante kay sou kay \q1 ak chan a sou lòt chan, \q1 jiskaske pa gen plas, \q1 pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a! \q1 \v 9 Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante: \q1 “Anverite, anpil kay va vin \x + \xo 5:9 \xo*\xt Mat 23:38\xt*\x*vid; \q1 menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann. \q1 \v 10 Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven \q1 e yon \x + \xo 5:10 \xo*\xt Éz 45:11\xt*\x*omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.” \q1 \v 11 Malè a sila ki leve granmaten yo \q1 pou yo ka kouri dèyè \x + \xo 5:11 \xo*\xt Pwov 23:29-30\xt*\x* bwason fò, \q1 sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo. \q1 \v 12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven; \q1 men \x + \xo 5:12 \xo*\xt Job 34:27\xt*\x*yo pa okipe zèv SENYÈ yo, \q1 ni yo pa konsidere zèv men Li yo. \q1 \v 13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz \x + \xo 5:13 \xo*\xt És 1:3\xt*\x*mank konesans yo; \q1 epi mesye ki gen onè yo \q1 rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf. \q1 \v 14 Pou sa, \x + \xo 5:14 \xo*\xt Pwov 30:16\xt*\x*Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo \q1 e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole; \q1 epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a, \q1 ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann. \q1 \v 15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese; \q1 anplis, \x + \xo 5:15 \xo*\xt És 2:11\xt*\x*zye a ògeye a va vin febli nèt. \q1 \v 16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman \q1 e Bondye sen an va montre \x + \xo 5:16 \xo*\xt És 8:13 \xt*\x*sentete Li nan ladwati. \q1 \v 17 Konsa, \x + \xo 5:17 \xo*\xt És 7:25\xt*\x*jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj \q1 e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo. \b \q1 \v 18 Malè a sila ki rale \x + \xo 5:18 \xo*\xt És 59:4-8\xt*\x*inikite ak kòd manti, \q1 e ki fè peche tankou se kòd kabwèt; \q1 \v 19 \x + \xo 5:19 \xo*\xt Éz 12:22\xt*\x*Ka p di: “Kite Li fè vit, \q1 kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè; \q1 kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la \q1 vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!” \q1 \v 20 Malè a sila ki \x + \xo 5:20 \xo*\xt Pwov 17:15\xt*\x*rele mal la bon, \q1 ak bon nan mal; \q1 sila ki prezante tenèb la tankou limyè a, \q1 ak limyè a kon tenèb la; \q1 sila ki prezante sa ki anmè a kon dous, \q1 e sa ki dous kon anmè. \q1 \v 21 Malè a sila ki \x + \xo 5:21 \xo*\xt Pwov 3:7\xt*\x*saj nan pwòp zye yo \q1 e ki sipoze ke yo byen koken yo! \q1 \v 22 \x + \xo 5:22 \xo*\xt Pwov 23:30\xt*\x*Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la \q1 e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a, \q1 \v 23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab \q1 e ki \x + \xo 5:23 \xo*\xt Sòm 94:21 \xt*\x*rachte dwa a sila ki gen rezon yo! \b \q1 \v 24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo \q1 e konsonmen zèb sèch nan flanm nan, \q1 konsa rasin yo va vin tankou pouriti, \q1 e flè yo va vannen ale tankou pousyè; \q1 paske yo fin \x + \xo 5:24 \xo*\xt És 8:6\xt*\x*rejte lalwa SENYÈ dèzame yo, \q1 e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la. \q1 \v 25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, \q1 Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. \q1 Mòn yo te tranble \q1 e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. \q1 \x + \xo 5:25 \xo*\xt És 9:12-21 \xt*\x*Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje. \b \q1 \v 26 Konsa, Li va leve yon \x + \xo 5:26 \xo*\xt És 13:2-3\xt*\x*drapo a yon nasyon byen lwen \q1 e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè; \q1 epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès. \q1 \v 27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe; \q1 nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi; \q1 ni \x + \xo 5:27 \xo*\xt Job 12:18 \xt*\x*sentiwon nan senti li pa lage, \q1 menm bretèl sandal li pa janm kase. \q1 \v 28 \x + \xo 5:28 \xo*\xt Sòm 7:12-13\xt*\x*Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube; \q1 pye cheval li yo parèt kon pyè silèks, \q1 e wou cha li yo tankou toubiyon. \q1 \v 29 Kri \x + \xo 5:29 \xo*\xt Jr 51:38\xt*\x*gwonde li tankou yon lyon \q1 e vwa li tankou jèn lyon; \q1 li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an \q1 e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li. \q1 \v 30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. \q1 Si yon moun anwò dlo \x + \xo 5:30 \xo*\xt És 8:22\xt*\x*ta gade vè latè; \q1 men gade, tout fènwa ak gwo twoub. \q1 Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo. \c 6 \p \v 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, \x + \xo 6:1 \xo*\xt Jn 12:41\xt*\x*mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. \v 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, \x + \xo 6:2 \xo*\xt Rev 4:8\xt*\x*yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole. \q1 \v 3 Youn te rele a yon lòt epi te di: \q1 “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; \q1 \x + \xo 6:3 \xo*\xt Nonb 14:21\xt*\x* tout latè plen ak glwa Li.” \p \v 4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan \x + \xo 6:4 \xo*\xt Rev 15:8\xt*\x*tanp lan te plen ak lafimen. \v 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak \x + \xo 6:5 \xo*\xt Egz 6:12-30 \xt*\x*lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.” \p \v 6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou \x + \xo 6:6 \xo*\xt Rev 8:3\xt*\x*lotèl la ak pensèt. \v 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi \x + \xo 6:7 \xo*\xt És 40:2\xt*\x*inikite pa ou retire e peche ou vin padone.” \p \v 8 Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?” \p Epi \x + \xo 6:8 \xo*\xt Trav 26:19\xt*\x*mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!” \p \v 9 Li te di: “Ale di pèp sa a: \q1 ‘Kontinye \x + \xo 6:9 \xo*\xt És 43:8\xt*\x*koute, men pa wè; \q1 kontinye gade, men pa konprann.’ \q1 \v 10 \x + \xo 6:10 \xo*\xt Mat 13:15\xt*\x*Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè; \q1 otreman, petèt yo ta wè ak zye yo, \q1 tande ak zòrèy yo, \q1 konprann ak kè yo \q1 e retounen pou resevwa gerizon.” \p \v 11 Epi mwen te di: “Senyè, pou konbyen tan?” \p Li te reponn: \q1 “Jiskaske vil yo fin devaste nèt e pa gen moun pou rete ladan yo, \q1 kay yo vin san moun e peyi a fin dezole, \q1 \v 12 epi SENYÈ a fin \x + \xo 6:12 \xo*\xt Det 28:64\xt*\x*retire moun yo byen lwen \q1 e plas abandone yo vin anpil nan mitan peyi a. \q1 \v 13 Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann, \q1 li va osi manje nèt, \q1 tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn \q1 ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. \q1 \x + \xo 6:13 \xo*\xt Det 7:6 \xt*\x*Konsa, Semans ki sen se chouk li.” \c 7 \p \v 1 Alò, li te vin rive nan jou Achaz yo, fis a Jotham la, fis a Ozias la, wa Juda a, ke Retsin, wa Syrie a ak Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte vè Jérusalem pou fè lagè kont li, men yo \x + \xo 7:1 \xo*\xt És 7:6-7\xt*\x*pa t ka genyen l. \v 2 Lè rapò a te rive kote \x + \xo 7:2 \xo*\xt És 7:13\xt*\x*lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van. \p \v 3 Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent \x + \xo 7:3 \xo*\xt II Wa 18:17\xt*\x*kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an. \v 4 Epi di li: ‘Fè atansyon e rete kalm. Pa pè e pa dekouraje akoz grenn chouk \x + \xo 7:4 \xo*\xt Am 4:11\xt*\x*sann cho sa yo k ap fè lafimen akoz de gwo kòlè Retsin ak Syrie, ak fis Remalia a. \v 5 Paske \x + \xo 7:5 \xo*\xt És 7:2\xt*\x*Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di: \v 6 Annou monte kont Juda, teworize l, fè pou nou yon brèch nan miray li yo, e fè fis Tabeel la vin wa nan mitan li.” \v 7 Konsa pale Senyè BONDYE a: \x + \xo 7:7 \xo*\xt És 8:10\xt*\x*“Sa p ap kanpe, ni sa p ap pase.” \v 8 Paske tèt Syrie a se \x + \xo 7:8 \xo*\xt Jen 14:15\xt*\x*Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò), \v 9 Epi tèt a Éphraïm se Samarie, tèt a Samarie se fis a Remalia a. \x + \xo 7:9 \xo*\xt II Kwo 20:20\xt*\x*Si ou pa kwè, anverite, ou p ap etabli.’” \p \v 10 SENYÈ a te pale ankò ak Achaz. Li te di: \v 11 “Mande yon \x + \xo 7:11 \xo*\xt II Wa 19:29\xt*\x*sign pou ou menm soti nan SENYÈ a, Bondye ou a; fè l nan fon a, tankou Sejou mò yo, oswa nan wotè tankou rive nan syèl la.” \p \v 12 Men Achaz te di: “Mwen p ap mande, ni mwen p ap pase SENYÈ a a leprèv!” \p \v 13 Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a \x + \xo 7:13 \xo*\xt És 25:1 \xt*\x*Bondye mwen an tou? \v 14 Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon \x + \xo 7:14 \xo*\xt Mat 1:23\xt*\x*vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li \x + \xo 7:14 \xo*\xt És 8:8-10 \xt*\x*Emmanuel. \v 15 Li va manje \x + \xo 7:15 \xo*\xt És 7:22\xt*\x*bòl lèt kaye ak siwo myèl nan lè Li gen konesans ase pou refize mal e chwazi sa ki bon. \v 16 Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, \x + \xo 7:16 \xo*\xt És 8:14 \xt*\x*peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt. \v 17 SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke \x + \xo 7:17 \xo*\xt I Wa 12:16\xt*\x*Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a. \p \v 18 Nan jou sa a, SENYÈ a va soufle mouch ki nan \x + \xo 7:18 \xo*\xt És 13:5 \xt*\x*kote pi lwen nan rivyè Égypte yo ak foul myèl ki rete Assyrie yo. \v 19 Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou \x + \xo 7:19 \xo*\xt És 2:19\xt*\x*ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo. \p \v 20 Nan jou sa a, SENYÈ a va \x + \xo 7:20 \xo*\xt II Wa 18:13-16\xt*\x*raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la. \p \v 21 Alò, nan jou sa a, yon nonm ka fè viv yon sèl grenn \x + \xo 7:21 \xo*\xt És 14:30\xt*\x*gazèl bèf ak yon pè mouton. \v 22 Men akoz gwo kantite lèt ki pwodwi, li va bwè bòl lèt kaye a, paske tout moun ki rete nan peyi a va bwè \x + \xo 7:22 \xo*\xt És 8:15\xt*\x*bòl lèt ak siwo myèl la. \p \v 23 Konsa, li va rive nan jou sa a, ke \x + \xo 7:23 \xo*\xt És 5:10\xt*\x*tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan. \v 24 Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan. \v 25 Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou \x + \xo 7:25 \xo*\xt És 5:17\xt*\x* pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.” \c 8 \p \v 1 SENYÈ a te di mwen, pran pou ou yon gwo tablo, e ekri sou li an lèt òdinè: “ rele non l ‘Maher-Schalal-Chasch-Baz’” \x + \xo 8:1 \xo*\xt És 8:3 \xt*\x*(Vit se piyaj la e rapid se viktim nan), \v 2 Epi Mwen va pran pou Mwen temwen fidèl pou fè temwayaj, \x + \xo 8:2 \xo*\xt II Wa 16:10-16\xt*\x* Urie, prèt la ak Zacharie, fis a Bérékia a. \p \v 3 Pou sa, mwen te pwoche pwofetès la. Li te vin ansent e li te bay nesans a yon fis. Epi SENYÈ a te di mwen: “Bay li non Maher-Schalal-Chasch-Baz. \v 4 Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.” \p \v 5 Ankò SENYÈ a te pale ak mwen. Li te di: \v 6 “Konsi moun sa yo fin \x + \xo 8:6 \xo*\xt És 1:20\xt*\x* rejte dlo Siloé k ap koule dous la pou rejwi nan Retsin ak fis Remalia a; \v 7 alò, pou sa, men gade, SENYÈ a prè pou mennen sou yo dlo fò an gran kantite ki sòti nan rivyè Euphrate la, wa Assyrie ak tout glwa li. Dlo sa a va \x + \xo 8:7 \xo*\xt Am 8:8 \xt*\x*monte wo pou kite kanal li yo e vide sou tout rebò li yo. \v 8 Li va pase kouri nèt rive Juda. Li va debòde e pase sou li nèt jiskaske li \x + \xo 8:8 \xo*\xt És 30:28 \xt*\x*rive menm nan kou li. Konsa, zèl ouvri li yo va ranpli lajè peyi ou a, O Emmanuel! \p \v 9 “Se pou fè bwi, o pèp yo, e vin \x + \xo 8:9 \xo*\xt Dan 2:34-35 \xt*\x*kraze nèt! Bay zòrèy nou, tout peyi lwen yo. Mare senti nou, malgre n ap fin brize nèt! Abiye pou batay la, malgre n ap brize nèt. \v 10 \x + \xo 8:10 \xo*\xt Job 5:12\xt*\x* Fè yon plan, e sa ap bloke. Pale yon pawòl, e sa p ap dire. Paske Bondye avèk nou.” \p \v 11 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen ak gwo pouvwa e te pase m lòd pou m \x + \xo 8:11 \xo*\xt Esd 2:8\xt*\x* pa mache nan chemen a pèp sa a, epi te di: \v 12 “Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. \x + \xo 8:12 \xo*\xt I Pi 3:14-15\xt*\x* Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li. \v 13 Se SENYÈ dèzame yo \x + \xo 8:13 \xo*\xt Nonb 20:12\xt*\x* ke ou dwe gade kon sen. Se Li k ap vin lakrent ou. Se li k ap fè w etone. \v 14 Li va devni yon sanktiyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon \x + \xo 8:14 \xo*\xt Luc 2:34\xt*\x* wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo. \v 15 Se anpil moun \x + \xo 8:15 \xo*\xt És 28:13\xt*\x* k ap bite sou yo, yo va tonbe e yo va kraze nèt. Yo menm va pran nan pyèj e va tonbe pou yo kenbe nèt.” \p \v 16 Mare akò la. Sele lalwa pami \x + \xo 8:16 \xo*\xt Dan 12:4\xt*\x* disip mwen yo. \v 17 Mwen va \x + \xo 8:17 \xo*\xt És 25:9\xt*\x* tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans. \v 18 Gade byen, mwen menm ak pitit ke SENYÈ a te ban mwen yo se pou \x + \xo 8:18 \xo*\xt Luc 2:34\xt*\x* sign ak mèvèy an Israël ki sòti depi nan SENYÈ Dèzame yo, ki demere sou Mòn Sion. \p \v 19 Lè y ap di nou: “Konsilte sila ki konn pale ak mò yo ak divinò ki yo menm pale ak ti souf e bougonnen;” èske yon pèp pa ta dwe konsilte Bondye pa yo? Èske yo ta dwe konsilte mò yo pou sila ki vivan yo? \v 20 Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke \x + \xo 8:20 \xo*\xt És 8:22\xt*\x* yo pa gen granmaten k ap vini. \v 21 Yo va pase nan peyi a, \x + \xo 8:21 \xo*\xt És 9:20-21\xt*\x* plen gwo pwoblèm ak grangou nèt. Li va vin rive ke lè yo grangou, y ap vin anraje e modi wa yo ak Bondye pandan y ap gade anlè. \v 22 Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va \x + \xo 8:22 \xo*\xt És 8:20\xt*\x* chase ale nan tenèb. \c 9 \p \v 1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete \x + \xo 9:1 \xo*\xt Mat 4:15-16 \xt*\x*peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo. \p \v 2 \x + \xo 9:2 \xo*\xt Mat 4:16\xt*\x* Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; \q1 sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, \q1 limyè va fonse briye sou yo; \q1 \v 3 \x + \xo 9:3 \xo*\xt És 26:15\xt*\x* Ou te fè pèp la grandi anpil; \q1 Ou ogmante kè kontan yo. \p Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. \v 4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a \x + \xo 9:4 \xo*\xt És 14:4 \xt*\x*sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. \v 5 Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. \v 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi \x + \xo 9:6 \xo*\xt Mat 28:18 \xt*\x*gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. \v 7 \x + \xo 9:7 \xo*\xt Dan 2:44\xt*\x* P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a. \p \v 8 SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob \q1 e li tonbe sou Israël. \q1 \v 9 Tout pèp la va konnen sa; \q1 \x + \xo 9:9 \xo*\xt És 7:8-9\xt*\x* Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, \q1 k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo: \q1 \v 10 \x + \xo 9:10 \xo*\xt Mal 1:4\xt*\x* “Brik yo fin tonbe, \q1 men nou va rebati ak wòch taye; \q1 bwa sikomò yo fin koupe, \q1 men nou va ranplase yo ak bwa sèd.” \q1 \v 11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo \q1 advèsè ki sòti \x + \xo 9:11 \xo*\xt És 7:1-8\xt*\x* Retsin yo \q1 e chofe ènmi yo, \q1 \v 12 Siryen lès yo ak \x + \xo 9:12 \xo*\xt II Kwo 28:18\xt*\x* Filisten lwès yo; \q1 epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. \q1 Malgre sa, kòlè Li p ap detounen \q1 e men L va toujou lonje. \b \q1 \v 13 Sepandan, pèp la \x + \xo 9:13 \xo*\xt Jr 5:3\xt*\x*p ap vire retounen \q1 kote Sila ki te frape yo a, \q1 ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo. \q1 \v 14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni \x + \xo 9:14 \xo*\xt És 19:15\xt*\x* tèt ni ke sou Israël, \q1 ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou. \q1 \v 15 Tèt la se \x + \xo 9:15 \xo*\xt És 3:2-3\xt*\x* ansyen ki byen respekte a \q1 e ke a se pwofèt ki ansegne manti a. \q1 \v 16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. \q1 Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon. \q1 \v 17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, \q1 ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; \q1 paske yo tout se malfektè ki san Bondye \q1 e \x + \xo 9:17 \xo*\xt Mat 12:34 \xt*\x*bouch yo tout ap pale nan foli. \q1 Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, \q1 e men L toujou lonje. \b \q1 \v 18 \x + \xo 9:18 \xo*\xt Sòm 83:14\xt*\x* Paske mechanste brile tankou dife; \q1 li manje ni pikan ni raje. \q1 Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm \q1 e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen. \q1 \v 19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a, \q1 e se pèp la ki se lwil pou dife a. \q1 \x + \xo 9:19 \xo*\xt Mi 7:2-6 \xt*\x*Nanpwen moun ki eseye sove frè l. \q1 \v 20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; \q1 yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. \q1 Yo chak manje \x + \xo 9:20 \xo*\xt És 49:26\xt*\x* chè pwòp bra yo. \q1 \v 21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé \q1 e ansanm, yo kont Juda. \q1 \x + \xo 9:21 \xo*\xt És 5:25\xt*\x* Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen \q1 e men Li toujou lonje. \c 10 \p \v 1 Malè a sila ki \x + \xo 10:1 \xo*\xt Sòm 94:20\xt*\x* fè règleman lajistis ki pa dwat yo ak sila k ap anrejistre desizyon ki pa jis yo, \v 2 pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e \x + \xo 10:2 \xo*\xt És 1:23 \xt*\x*pou yo ka piyaje òfelen yo. \v 3 Alò, se kisa nou va fè nan \x + \xo 10:3 \xo*\xt És 13:6 \xt*\x*jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou? \p \v 4 Anyen pa p rete men y ap akwoupi pami kaptif yo oswa tonbe pami sila ki touye yo. \x + \xo 10:4 \xo*\xt És 5:25 \xt*\x*Malgre sa, kòlè Li pa detounen e men L toujou lonje. \b \p \v 5 Malè a \x + \xo 10:5 \xo*\xt Jr 51:20\xt*\x* Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an. \v 6 Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou \x + \xo 10:6 \xo*\xt És 5:25 \xt*\x*labou nan lari. \v 7 Men \x + \xo 10:7 \xo*\xt Jen 50:20\xt*\x* se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon. \v 8 Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo? \v 9 Èske Calno pa tankou \x + \xo 10:9 \xo*\xt II Kwo 35:20 \xt*\x*Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas? \v 10 Menm jan men m te rive kote \x + \xo 10:10 \xo*\xt II Wa 19:17-18\xt*\x* wayòm a zidòl yo, ki te gen imaj taye pi gran pase sila Jérusalem ak Samarie yo, \v 11 eske mwen p ap fè a Jérusalem ak imaj pa li yo menm jan ke m te fè a Samarie ak \x + \xo 10:11 \xo*\xt És 2:8\xt*\x* zidòl pa li yo?” \v 12 Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li. \v 13 Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te \x + \xo 10:13 \xo*\xt Ag 2:6-11\xt*\x*retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo. \v 14 Epi men m te lonje desann jis li rive nan richès a pèp la kon yon \x + \xo 10:14 \xo*\xt Jr 49:16\xt*\x*nich, e tankou yon moun ta ranmase ze ki abandone, se konsa mwen te ranmase tout latè. Konsa, pa t gen youn nan yo ki te bat zèl li, oswa te ouvri bèk li, ni ki te kriye.” \v 15 Èske rach la fèt pou \x + \xo 10:15 \xo*\xt És 29:16 \xt*\x*vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a. \v 16 Pou sa, Senyè a, BONDYE dèzame yo, va voye yon \x + \xo 10:16 \xo*\xt Sòm 106:15\xt*\x*maladi deperi moun nèt pami gèrye vanyan li yo; epi anba ògèy li, va rasanble yon dife tankou yon flanm k ap brile. \v 17 Limyè Israël la va devni yon dife; \x + \xo 10:17 \xo*\xt És 37:23 \xt*\x*Sila ki Sen an, yon flanm. Li va brile yo e devore pikan li yo ak raje li yo nan yon sèl jou. \v 18 Epi Li va \x + \xo 10:18 \xo*\xt És 10:33-34\xt*\x*detwi glwa a forè ak jaden plen ak fwi li yo, ni nanm, ni kò; epi sa va tankou lè yon nonm malad vin deperi nèt e deseche nèt. \v 19 Epi \x + \xo 10:19 \xo*\xt És 21:17\xt*\x*rès bwa ki rete nan forè li yo, va vin tèlman piti an kantite, ke yon timoun ta ka konte yo. \v 20 Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite \x + \xo 10:20 \xo*\xt II Kwo 14:11\xt*\x*depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la. \v 21 Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an. \v 22 Paske malgre pèp ou a, O Israël, kapab tankou sab lanmè, sèlman yon retay ladann va retounen. Yon \x + \xo 10:22 \xo*\xt És 28:22\xt*\x*destriksyon, debòde ak ladwati, fèt pou rive. \v 23 Paske yon destriksyon konplè nan tout latè a dekrete deja, e \x + \xo 10:23 \xo*\xt És 28:22\xt*\x*SENYÈ dèzame yo va egzekite li. \v 24 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE dèzame yo: “O pèp Mwen an, ki rete Sion an, pa pè Assyrie ki \x + \xo 10:24 \xo*\xt Egz 5:14-16 \xt*\x*frape nou ak baton an e ki leve baton l kont nou kon Ejipsyen yo te konn fè a. \v 25 Paske nan \x + \xo 10:25 \xo*\xt És 17:4\xt*\x* yon tan byen kout, kòlè Mwen kont nou va fin pase, e kòlè Mwen va dirije vè destriksyon pa yo.” \v 26 SENYÈ dèzame yo va leve yon gwo fwèt kont li tankou masak a Madian nan wòch Oreb la. Baton Li va lonje sou lanmè a e Li va leve li wo \x + \xo 10:26 \xo*\xt Egz 14:27 \xt*\x*jan Li te konn fè an Égypte la. \v 27 Konsa li va rive nan jou sa a, ke \x + \xo 10:27 \xo*\xt És 9:4\xt*\x*chaj Li va leve soti sou do nou, jouk Li sou kou nou, e jouk la va kraze akoz lwil oksonye. \v 28 Li te vini kont Ajjath, li te pase nan Migron; nan Micmasch, li te depoze \x + \xo 10:28 \xo*\xt Jij 18:21 \xt*\x*bagaj li. \v 29 Yo te pase nan lakoup lan epi te di: \x + \xo 10:29 \xo*\xt Jos 21:17 \xt*\x*“Nan Guéba, nou va fè plas pou nou rete.” Rama nan laperèz nèt e Guibea a Saul la sove ale nèt. \v 30 Kriye fò ak vwa ou, \x + \xo 10:30 \xo*\xt I Sam 25:44\xt*\x*fi a Gallim nan! Fè atansyon, Laïs ak malere Anathoth! \v 31 Madména fin sove ale. Abitan Guébim yo fin chache sekou. \v 32 Men jodi a, li va rete Nob. \x + \xo 10:32 \xo*\xt És 19:16\xt*\x* Li souke ponyèt li vè mòn fi a Sion an, kolin a Jérusalem nan. \v 33 Gade byen, SENYÈ a, BONDYE dèzame yo va koupe tout branch yo ak yon gran bri. Sa osi ki gen \x + \xo 10:33 \xo*\xt És 37:24-38\xt*\x*gran tay va koupe nèt e sila a gran wotè yo va vin bese nèt. \v 34 Li va koupe nèt gwo rakbwa forè a ak yon rach ki fèt an fè, e Liban va tonbe akoz Toupwisan an. \c 11 \q1 \v 1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a \q1 e yon \x + \xo 11:1 \xo*\xt Rev 5:5 \xt*\x*branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi. \q1 \v 2 \x + \xo 11:2 \xo*\xt És 42:1\xt*\x*Lespri SENYÈ a va poze sou Li, \q1 lespri a sajès ak bon konprann, \q1 lespri a konsèy ak pwisans lan, \q1 lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a. \q1 \v 3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. \q1 Li p ap jije selon sa ke zye l \x + \xo 11:3 \xo*\xt Jn 2:25\xt*\x*wè, \q1 ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande; \q1 \v 4 men ak \x + \xo 11:4 \xo*\xt És 9:7\xt*\x*ladwati, Li va jije malere yo, \q1 e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. \q1 Li va frape tè a ak baton bouch Li, \q1 e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo. \q1 \v 5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li \q1 e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a. \b \q1 \v 6 \x + \xo 11:6 \xo*\xt És 65:25\xt*\x*Lou a va demere ak jèn mouton an, \q1 leyopa va kouche ak jèn kabrit la, \q1 jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a; \q1 epi yon tigason va mennen yo. \q1 \v 7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la; \q1 pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la. \q1 \v 8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a, \q1 e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a. \q1 \v 9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an, \q1 paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a, \q1 tankou dlo kouvri lanmè a. \b \p \v 10 Nan jou sa a, \x + \xo 11:10 \xo*\xt Luc 2:32\xt*\x*nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa. \p \v 11 Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie \x + \xo 11:11 \xo*\xt És 19:21-22 \xt*\x*Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo. \v 12 Li va leve yon drapo pou nasyon yo, \x + \xo 11:12 \xo*\xt És 56:8\xt*\x*rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo. \v 13 \x + \xo 11:13 \xo*\xt És 9:21\xt*\x*Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm. \v 14 Yo va \x + \xo 11:14 \xo*\xt Jr 48:40\xt*\x*desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm. \v 15 Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou \x + \xo 11:15 \xo*\xt És 7:20\xt*\x*rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk. \v 16 Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël \x + \xo 11:16 \xo*\xt Egz 14:26-29 \xt*\x*nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la. \c 12 \p \v 1 Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske \x + \xo 12:1 \xo*\xt Sòm 30:5\xt*\x*malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò. \v 2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va \x + \xo 12:2 \xo*\xt És 26:3 \xt*\x*fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.” \v 3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va \x + \xo 12:3 \xo*\xt Jn 4:10\xt*\x*rale dlo nan sous sali yo. \v 4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! \x + \xo 12:4 \xo*\xt Sòm 145:4 \xt*\x*Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! \v 5 \x + \xo 12:5 \xo*\xt Egz 15:1\xt*\x*Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè! \v 6 Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske \x + \xo 12:6 \xo*\xt És 1:24\xt*\x*gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!” \c 13 \p \v 1 Pwofesi konsènan \x + \xo 13:1 \xo*\xt És 47:1-15 \xt*\x*Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a. \p \v 2 Leve yon drapo sou \x + \xo 13:2 \xo*\xt Jr 51:25 \xt*\x*mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo! \v 3 Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm \x + \xo 13:3 \xo*\xt Jl 3:11\xt*\x*gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen. \v 4 Yon \x + \xo 13:4 \xo*\xt És 5:30\xt*\x*bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay. \v 5 Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou \x + \xo 13:5 \xo*\xt És 24:1 \xt*\x*detwi tout peyi a. \p \v 6 Rele anmwey, paske \x + \xo 13:6 \xo*\xt És 2:12\xt*\x*jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an. \v 7 Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e \x + \xo 13:7 \xo*\xt És 19:1\xt*\x*kè a tout moun va fann. \v 8 Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va \x + \xo 13:8 \xo*\xt És 26:17 \xt*\x*vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife. \v 9 Gade byen, \x + \xo 13:9 \xo*\xt És 13:6\xt*\x*jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. \v 10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. \x + \xo 13:10 \xo*\xt És 24:23 \xt*\x*Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. \v 11 Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak \x + \xo 13:11 \xo*\xt És 3:11 \xt*\x*mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a. \v 12 Mwen va fè lòm mòtèl la vin \x + \xo 13:12 \xo*\xt És 4:1\xt*\x*pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir. \v 13 Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan \x + \xo 13:13 \xo*\xt Lam 1:12 \xt*\x*jou kòlè Li k ap anflame a. \v 14 Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa \x + \xo 13:14 \xo*\xt I Wa 22:17\xt*\x*mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo. \v 15 Nenpòt moun yo rankontre, yo va \x + \xo 13:15 \xo*\xt És 14:9\xt*\x*frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe. \v 16 \x + \xo 13:16 \xo*\xt Sòm 137:8-9\xt*\x*Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole. \p \v 17 Gade byen, Mwen va fè Mèdes \x + \xo 13:17 \xo*\xt Jr 51:11\xt*\x*leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo. \v 18 Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni \x + \xo 13:18 \xo*\xt Esd 9:5-10\xt*\x*zye yo p ap fè pitye pou timoun. \v 19 Konsa, Babylon \x + \xo 13:19 \xo*\xt Dan 4:30 \xt*\x*bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a. \v 20 Li \x + \xo 13:20 \xo*\xt És 14:23\xt*\x*p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la. \v 21 Men se \x + \xo 13:21 \xo*\xt És 34:11-15\xt*\x*bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la. \v 22 Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl \x + \xo 13:22 \xo*\xt És 25:2\xt*\x*palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje. \c 14 \p \v 1 SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la. \v 2 Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo. \p \v 3 Li va rive nan jou lè SENYÈ a \x + \xo 14:3 \xo*\xt Esd 9:8-9\xt*\x*ba ou repò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la, \v 4 Ke ou va \x + \xo 14:4 \xo*\xt Ag 2:6\xt*\x*pran chante sa a kont wa Babylon nan epi di: “Gade kijan opresè a vin sispann! Gwo twoub la pa la ankò!” \v 5 SENYÈ a fin kase baton a mechan an, baton a wa yo \v 6 \x + \xo 14:6 \xo*\xt És 10:14\xt*\x*ki te konn frape pèp la ak gran kolè, ak kou san rete, ki te soumèt nasyon yo ak gwo kòlè ak gwo pèsekisyon san fren. \v 7 Tout latè gen repo e rete kalm. Yo \x + \xo 14:7 \xo*\xt Sòm 47:1-3\xt*\x*eklate ak chante kè kontan yo. \v 8 Menm \x + \xo 14:8 \xo*\xt És 55:12\xt*\x*bwa siprè yo rejwi sou ou e bwa sèd Liban yo ap di: “Paske ou te bese ou, pa gen moun ki koupe bwa k ap monte kont nou. \v 9 \x + \xo 14:9 \xo*\xt És 5:14\xt*\x*Sejou mò a depi anba, gen kè kontan sou ou, pou l ka rankontre ou lè ou vini. Li leve menm pou ou lespri mò yo, tout chèf sou tout latè yo. Li fè leve tout wa a tout nasyon yo soti nan twòn yo. \v 10 \x + \xo 14:10 \xo*\xt Éz 32:21\xt*\x*Yo tout va reponn epi mande ou: ‘Ou menm, èske ou vin fèb tankou nou? Èske ou vini tankou nou?’ \v 11 Tout \x + \xo 14:11 \xo*\xt És 5:14\xt*\x*gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.” \p \v 12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O \x + \xo 14:12 \xo*\xt II Pi 1:19\xt*\x*zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! \v 13 Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va \x + \xo 14:13 \xo*\xt Éz 28:2\xt*\x*monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo! \v 14 Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!” \v 15 Sepandan, ou \x + \xo 14:15 \xo*\xt Éz 28:8\xt*\x*va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a. \v 16 Sila ki wè ou va fikse zye sou ou. Yo va reflechi sou ou pou di: “Èske se nonm sila a ki te fè tè a tranble a, ki te souke wayòm yo? \v 17 Ki te fè mond lan tankou yon dezè a, ki te boulvèse gwo vil li yo, ki te \x + \xo 14:17 \xo*\xt És 45:13 \xt*\x*refize kite prizonye li yo ale lakay yo?” \p \v 18 Tout wa sou latè yo kouche nan glwa yo, yo chak nan pwòp tonbo pa yo. \v 19 Men ou menm, ou te jete deyò tonbo pa ou a, tankou yon branch rejte, abiye ak sila ki te touye yo, ki te pèse ak nepe yo, ki te desann kote wòch a fòs la tankou yon kadav, \x + \xo 14:19 \xo*\xt És 5:25 \xt*\x*kraze foule ak pye. \v 20 Ou p ap reyini ak yo nan antèman, akoz ou te detwi peyi ou a. Ou te touye pèp ou a. Konsa, non \x + \xo 14:20 \xo*\xt Job 18:16-19\xt*\x*desandan a malfektè sila yo pa p nonmen jis pou tout tan! \p \v 21 Prepare pou fis li yo yon kote pou masak, akoz \x + \xo 14:21 \xo*\xt Egz 20:5\xt*\x*inikite a papa yo. Konsa pou yo pa leve pran posesyon latè e ranpli sifas mond lan ak gwo vil. \v 22 “Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo. “Mwen va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo de \x + \xo 14:22 \xo*\xt Job 18:19 \xt*\x*sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a. \v 23 “Anplis, M ap fè l tounen yon marekaj pou \x + \xo 14:23 \xo*\xt És 34:11\xt*\x*kochon mawon yo. Mwen va bale li ak bale destriksyon an,” deklare SENYÈ dèzame yo. \p \v 24 SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, \x + \xo 14:24 \xo*\xt Job 23:13\xt*\x*jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe! \v 25 Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa \x + \xo 14:25 \xo*\xt És 9:4 \xt*\x*jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo. \v 26 Sa se \x + \xo 14:26 \xo*\xt És 23:9\xt*\x*plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo. \v 27 Paske \x + \xo 14:27 \xo*\xt II Kwo 20:6\xt*\x*SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?” \p \v 28 Nan \x + \xo 14:28 \xo*\xt II Wa 16:20 \xt*\x*ane Wa Achaz te mouri an, Pwofesi sa a te fèt: \p \v 29 Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon \x + \xo 14:29 \xo*\xt És 30:6 \xt*\x*sèpan k ap vole. \v 30 Premyè nè malere a va manje byen, e endijan an va kouche ansekirite. Mwen va detwi rasin pa ou ak \x + \xo 14:30 \xo*\xt És 8:21\xt*\x* gwo grangou, e anplis l ap touye sila ki te chape yo. \p \v 31 Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan \x + \xo 14:31 \xo*\xt Jr 1:14\xt*\x*nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt. \p \v 32 Alò, kòman yon moun ka reponn \x + \xo 14:32 \xo*\xt És 37:9\xt*\x*mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li. \c 15 \p \v 1 Pwofesi konsènan Moab la. \p Anverite nan yon sèl nwit, \x + \xo 15:1 \xo*\xt Nonb 21:28\xt*\x*Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sè nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt. \v 2 Yo fin monte nan tanp lan ak \x + \xo 15:2 \xo*\xt Jr 48:18-22\xt*\x*Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe. \v 3 Nan lari yo, yo fin abiye ak \x + \xo 15:3 \xo*\xt Jon 3:6-8\xt*\x*twal sak. Sou twati lakay yo e sou gwo plas yo, tout moun ap rele anmwey e vin fann nèt akoz dlo ki sòti nan zye yo. \v 4 Anplis, \x + \xo 15:4 \xo*\xt Nonb 21:28\xt*\x*Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan. \v 5 Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey \x + \xo 15:5 \xo*\xt És 59:7 \xt*\x*pou destriksyon yo. \v 6 Paske dlo a Nimrin yo abandone. Anverite, zèb la fennen nèt; menm boujon gazon mouri. \x + \xo 15:6 \xo*\xt Jl 1:10-12\xt*\x*Pa gen anyen ki vèt. \v 7 Pou sa, \x + \xo 15:7 \xo*\xt És 30:6\xt*\x*gwo kantite byen ke yo vin genyen pou mete nan depo, yo pote yo ale sou flèv dlo Arabim nan. \v 8 Paske kri anmwey la fin kouri ale antoure peyi Moab la. Plenyen li an rive jis Egalïm, e lamantasyon li an jis Beer-Élim. \v 9 Paske dlo a Dimon yo plen ak san. Anverite Mwen va ogmante mizè sou Dimon, ak yon \x + \xo 15:9 \xo*\xt II Wa 17:25\xt*\x*lyon sou sila yo k ap sove ale Moab, menm ankò sou retay yo nan peyi a. \c 16 \p \v 1 Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an. \v 2 Li va rive ke tankou \x + \xo 16:2 \xo*\xt Pwov 27:8\xt*\x*zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an. \v 3 “Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! \x + \xo 16:3 \xo*\xt I Wa 18:4\xt*\x*Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a! \v 4 Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske \x + \xo 16:4 \xo*\xt És 9:4\xt*\x*opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a. \v 5 Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant \x + \xo 16:5 \xo*\xt És 9:7 \xt*\x*David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati. \p \v 6 \x + \xo 16:6 \xo*\xt Jr 48:29\xt*\x*Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen. \v 7 Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou \x + \xo 16:7 \xo*\xt I Kwo 16:3\xt*\x*gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo. \v 8 Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a \x + \xo 16:8 \xo*\xt Nonb 32:38\xt*\x*Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a. \v 9 Pou sa, Mwen va \x + \xo 16:9 \xo*\xt Jr 48:32\xt*\x*kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè. \v 10 \x + \xo 16:10 \xo*\xt És 24:8\xt*\x*Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann. \v 11 Pou sa, \x + \xo 16:11 \xo*\xt És 24:8\xt*\x*kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth. \v 12 Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou \x + \xo 16:12 \xo*\xt És 15:2 \xt*\x*wo plas li e rive nan sanktiyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi. \p \v 13 Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab. \v 14 Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon \x + \xo 16:14 \xo*\xt Job 7:1\xt*\x*anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.” \c 17 \p \v 1 Pwofesi sou Damas. \p “Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon \x + \xo 17:1 \xo*\xt És 25:2 \xt*\x*gwo pil mazi. \v 2 Vil \x + \xo 17:2 \xo*\xt Nonb 32:34\xt*\x*Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou fè yo pè. \v 3 \x + \xo 17:3 \xo*\xt És 7:8-16\xt*\x*Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo. \p \v 4 Alò, nan jou sa a, \x + \xo 17:4 \xo*\xt És 10:3\xt*\x*glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri. \v 5 Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan \x + \xo 17:5 \xo*\xt II Sam 5:18-22\xt*\x*vale Rephaïm yo. \v 6 Sepandan, \x + \xo 17:6 \xo*\xt Det 4:27\xt*\x*kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la. \v 7 Nan jou sa a, lòm va \x + \xo 17:7 \xo*\xt És 10:20\xt*\x*gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la. \v 8 Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni \x + \xo 17:8 \xo*\xt Egz 34:13 \xt*\x*Asherim yo ni lanp lansan yo. \v 9 Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole. \v 10 Paske nou te bliye \x + \xo 17:10 \xo*\xt Sòm 68:19 \xt*\x*Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. \v 11 Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan \x + \xo 17:11 \xo*\xt Sòm 90:6\xt*\x*maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a. \p \v 12 Sepandan, gwo zen a anpil nasyon \x + \xo 17:12 \xo*\xt És 5:30\xt*\x*ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan! \v 13 \x + \xo 17:13 \xo*\xt És 33:3\xt*\x*Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt. \v 14 Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo \x + \xo 17:14 \xo*\xt II Wa 19:35\xt*\x*disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo. \c 18 \p \v 1 Elas! O peyi a zèl k ap fè gwo bri krikèt volan yo, ki rete lòtbò rivyè a \x + \xo 18:1 \xo*\xt II Wa 19:19\xt*\x*Ethiopie yo. \v 2 Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon \x + \xo 18:2 \xo*\xt És 18:7 \xt*\x*wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a! \v 3 Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, \x + \xo 18:3 \xo*\xt És 26:11\xt*\x*nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l. \p \v 4 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen: “Mwen va gade soti nan \x + \xo 18:4 \xo*\xt És 26:21\xt*\x*kote ke M rete byen kalm la. Mwen va tankou gwo chalè nan plen solèy, tankou yon nwaj lawouze nan chalè rekòlt la.” \v 5 Paske \x + \xo 18:5 \xo*\xt És 17:10-11\xt*\x*avan rekòlt la, la menm boujon yo ak flè a devni rezen ki mi; alò, Li va koupe retire nan bwa rezen ak yon sèpèt. Li va koupe retire branch k ap gaye yo. \v 6 Yo va lese atè ansanm pou \x + \xo 18:6 \xo*\xt És 46:11\xt*\x*zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va manje yo nan sezon livè. \v 7 Nan lè sa a, yon kado omaj ki sòti nan yon \x + \xo 18:7 \xo*\xt Sòm 68:31\xt*\x*pèp wo e swa va pote bay SENYÈ dèzame yo. Li va soti menm nan yon pèp ki inspire lakrent a sila ki pre, ak sila ki lwen yo; yon nasyon pwisan ki fè kalkil, ki oprime tout moun, yon peyi ke rivyè yo divize a. L ap rive nan plas ki pote non SENYÈ dèzame yo, menm Mòn Sion an. \c 19 \p \v 1 Pwofesi konsènan Égypte la. \p “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; \x + \xo 19:1 \xo*\xt Jos 2:11 \xt*\x*kè Ejipsyen yo va fann anndan yo. \v 2 Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo \x + \xo 19:2 \xo*\xt Jij 7:22\xt*\x*chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm. \v 3 Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, \x + \xo 19:3 \xo*\xt I Kwo 10:13\xt*\x*yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. \v 4 Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon \x + \xo 19:4 \xo*\xt És 20:4\xt*\x*mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo. \p \v 5 \x + \xo 19:5 \xo*\xt És 50:2\xt*\x*Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo. \v 6 Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. \x + \xo 19:6 \xo*\xt Job 8:11 \xt*\x*Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri. \v 7 Gwo wozo a bò Rivyè \x + \xo 19:7 \xo*\xt És 23:3-10\xt*\x*Nil la, arebò Nil la ak tout chan ki fin plante akote Nil la va vin sèch, pouse ale, e p ap gen la ankò. \v 8 \x + \xo 19:8 \xo*\xt Éz 47:10\xt*\x*Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt. \v 9 Anplis, sila k ap pwodwi twal len nan ki fèt ak len swa ak bòs \x + \xo 19:9 \xo*\xt Pwov 7:16\xt*\x*twal blan yo va tris nèt. \v 10 \x + \xo 19:10 \xo*\xt Sòm 11:3\xt*\x*Pilye a Égypte yo va kraze nèt; tout anplwaye yo va afilje nan nanm yo. \p \v 11 Prens a \x + \xo 19:11 \xo*\xt Nonb 13:22\xt*\x*Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”? \v 12 Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te \x + \xo 19:12 \xo*\xt És 14:24\xt*\x* planifye pou fè kont Égypte. \v 13 Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a \x + \xo 19:13 \xo*\xt Jr 2:16\xt*\x*Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare. \v 14 SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; \x + \xo 19:14 \xo*\xt És 3:12 \xt*\x*yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li. \v 15 P ap gen travay pou Égypte; \x + \xo 19:15 \xo*\xt És 9:14-15\xt*\x*ni pou tèt li, ni pou ke li, branch palmis li, oswa sa ke wozo li yo ka fè. \v 16 Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz \x + \xo 19:16 \xo*\xt És 11:15\xt*\x*pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo. \v 17 Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo. \v 18 Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va \x + \xo 19:18 \xo*\xt És 45:23\xt*\x*sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an. \p \v 19 Nan jou sa a, va gen yon \x + \xo 19:19 \xo*\xt És 56:7\xt*\x*lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a. \v 20 Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon \x + \xo 19:20 \xo*\xt És 43:3\xt*\x*sovè, yon defansè e Li va delivre yo. \v 21 Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk \x + \xo 19:21 \xo*\xt És 56:7\xt*\x*sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li. \v 22 SENYÈ a va frape Égypte; frape, men \x + \xo 19:22 \xo*\xt Det 32:39\xt*\x*geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo. \p \v 23 Nan jou sa a, va gen yon gran chemen soti an Égypte pou rive Assyrie. Asiryen yo va antre an Égypte, e Ejipsyen yo an Assyrie. Ejipsyen ak Asiryen yo va \x + \xo 19:23 \xo*\xt És 27:13 \xt*\x*adore ansanm. \p \v 24 Nan jou sa a, Israël va fè yon twazyèm nan, ansanm ak Égypte ak Assyrie, yon gran benediksyon nan mitan mond lan. \v 25 Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se \x + \xo 19:25 \xo*\xt És 45:14\xt*\x*Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.” \c 20 \p \v 1 Nan ane ke kòmandan Asiryen an te vini \x + \xo 20:1 \xo*\xt I Sam 5:1\xt*\x*Asdod la, lè Sargon, wa Assyrie a, te voye li goumen kont Asdod la pou te pran li, \v 2 nan lè ke SENYÈ a te pale pa Ésaïe, fis a Amots la, epi te di: “Ale retire \x + \xo 20:2 \xo*\xt Za 13:4\xt*\x*twal sak la sou kwis ou e retire soulye nan pye ou.” Se konsa li te fè, epi li te ale toutouni, epi pye a tè. \v 3 Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon \x + \xo 20:3 \xo*\xt És 8:18\xt*\x*sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie, \v 4 menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo \x + \xo 20:4 \xo*\xt És 47:2-3 \xt*\x*jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont. \v 5 Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a. \v 6 Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive! Gade kote nou te kouri ale pou sekou, pou delivre anba men wa a Assyrie a! Epi koulye a, nou menm, \x + \xo 20:6 \xo*\xt Mat 23:33\xt*\x*se kòman nou va chape?’” \c 21 \p \v 1 Pwofesi konsènan dezè lanmè a. \p Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonnan. \v 2 Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. \x + \xo 21:2 \xo*\xt És 24:16 \xt*\x*Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann. \v 3 Pou rezon sa a, \x + \xo 21:3 \xo*\xt És 13:8 \xt*\x*kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè. \v 4 Panse mwen ap vire tounen. Gwo efryans plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin \x + \xo 21:4 \xo*\xt Det 28:67\xt*\x*fè m tranble. \v 5 Yo \x + \xo 21:5 \xo*\xt Jr 51:39-57\xt*\x*prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo! \v 6 Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li \x + \xo 21:6 \xo*\xt II Wa 9:17-20\xt*\x*bay rapò a sa li wè a. \v 7 Lè l wè sila ki \x + \xo 21:7 \xo*\xt És 21:9\xt*\x*monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.” \v 8 Gadyen nan rele kon yon lyon: \x + \xo 21:8 \xo*\xt Ag 2:1\xt*\x*“O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou la! Nan lanwit sou pòs gad la! \v 9 Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout \x + \xo 21:9 \xo*\xt És 46:1 \xt*\x*imaj a dye li yo kraze atè.” \p \v 10 O \x + \xo 21:10 \xo*\xt Jr 51:33\xt*\x*moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen. \v 11 Pwofesi konsènan Edom an. \p Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan \x + \xo 21:11 \xo*\xt Jen 32:3\xt*\x*Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?” \v 12 Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.” \p \v 13 Pwofesi konsènan Arabie a. \p Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a \x + \xo 21:13 \xo*\xt Jen 10:7 \xt*\x*Dedan yo. \v 14 Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi \x + \xo 21:14 \xo*\xt Jen 25:15\xt*\x*Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an. \v 15 Paske yo te \x + \xo 21:15 \xo*\xt És 13:14-15\xt*\x*sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la. \v 16 Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a \x + \xo 21:16 \xo*\xt Sòm 120:5 \xt*\x*Kédar va fini; \v 17 epi \x + \xo 21:17 \xo*\xt És 10:19\xt*\x*retay sòlda banza yo, mesye pwisan a, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.” \c 22 \p \v 1 Pwofesi konsènan vale a vizyon an. \p Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou \x + \xo 22:1 \xo*\xt És 15:3 \xt*\x*twati kay yo? \v 2 Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo \x + \xo 22:2 \xo*\xt Jr 14:18\xt*\x*pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la. \v 3 \x + \xo 22:3 \xo*\xt És 21:15\xt*\x*Tout chèf nou yo te kouri ale ansanm e te kaptire san sèvi ak banza yo. Nou tout ke yo te twouve yo te kaptire ansanm, malgre yo te sove ale rive byen lwen. \v 4 Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen \x + \xo 22:4 \xo*\xt És 15:3\xt*\x*kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.” \p \v 5 Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik \x + \xo 22:5 \xo*\xt És 10:6 \xt*\x*opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan. \v 6 Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi \x + \xo 22:6 \xo*\xt II Wa 16:9 \xt*\x*Kir te dekouvri boukliye a. \v 7 Vale pi bèl nou yo te vin plen ak cha e chevalye yo te pran pozisyon yo nan pòtay la. \v 8 Epi li te retire defans Juda. Nan jou sa a, nou te depann de zam a \x + \xo 22:8 \xo*\xt I Wa 7:2\xt*\x*kay forè yo. \v 9 Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te \x + \xo 22:9 \xo*\xt II Wa 20:20\xt*\x*fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a. \v 10 Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la. \v 11 Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a \x + \xo 22:11 \xo*\xt II Wa 20:20 \xt*\x* ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan. \p \v 12 Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou \x + \xo 22:12 \xo*\xt Mi 1:16\xt*\x*pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo. \v 13 Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: \x + \xo 22:13 \xo*\xt És 56:12\xt*\x*“Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.” \v 14 Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zore m yo: “Anverite, \x + \xo 22:14 \xo*\xt I Sam 3:14\xt*\x*nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo. \v 15 Se konsa, pale Senyè BONDYE dèzame yo: “Vini, ale kote jeran sila a, kote \x + \xo 22:15 \xo*\xt II Wa 18:18-37\xt*\x* Schebna ki se chèf an tèt anndan kay wa a. \v 16 ‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?” \v 17 Gade byen, SENYÈ a prèt pou voye ou tèt devan. Li prèt pou sezi ou byen di, \v 18 epi fè ou woule fè yon bòl pou jete nan yon gwo peyi. La, ou va mouri e la, bèl cha ou yo ap ye; Ou menm ki se wont pou lakay mèt ou a. \v 19 M ap \x + \xo 22:19 \xo*\xt Job 40:11-12\xt*\x*retire ou nan pozisyon ou e m ap rale ou desann soti nan wo plas ou. \p \v 20 Konsa, li va rive nan jou sa a ke Mwen va voye rele sèvitè Mwen an, \x + \xo 22:20 \xo*\xt II Wa 18:18\xt*\x*Éliakim, fis a Hilkija a, \v 21 Mwen va abiye l ak vètman pa w e tache sentiwon pa w, byen tache sou li. Mwen va fè l konfyans pou l pran otorite pa w la e li va vin yon \x + \xo 22:21 \xo*\xt Jen 45:8\xt*\x*papa a sila ki rete Jérusalem yo ak lakay Juda a. \v 22 Konsa, Mwen va mete \x + \xo 22:22 \xo*\xt Rev 3:7\xt*\x*kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li. \v 23 Mwen va kondwi li antre tankou yon \x + \xo 22:23 \xo*\xt Esd 9:8\xt*\x*klou sou yon kote byen solid e li va devni yon twòn glwa pou lakay papa l. \v 24 Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal. \v 25 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: \x + \xo 22:25 \xo*\xt És 22:23\xt*\x*“Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.” \c 23 \p \v 1 Pwofesi konsènan Tyr a. \p Rele anmwey, O bato a \x + \xo 23:1 \xo*\xt Jen 10:4 \xt*\x*Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre. \v 2 \x + \xo 23:2 \xo*\xt És 47:5\xt*\x*Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou. \v 3 Sou anpil dlo sereyal a \x + \xo 23:3 \xo*\xt Jos 13:3\xt*\x*Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo. \v 4 Rete wont, \x + \xo 23:4 \xo*\xt Jen 10:15-19\xt*\x*O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.” \v 5 Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a. \v 6 Janbe rive \x + \xo 23:6 \xo*\xt És 23:1\xt*\x*Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo! \v 7 Èske sa se gwo vil \x + \xo 23:7 \xo*\xt És 22:2\xt*\x*kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwaj yo? \p \v 8 Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn \x + \xo 23:8 \xo*\xt Éz 28:2\xt*\x*bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo? \v 9 SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye \x + \xo 23:9 \xo*\xt És 5:13 \xt*\x*tout gran sou latè yo. \v 10 Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò. \v 11 Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou \x + \xo 23:11 \xo*\xt És 25:2 \xt*\x*detwi tout fò ranfòse yo. \v 12 Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon nan! Leve, travèse \x + \xo 23:12 \xo*\xt És 23:1\xt*\x*Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.” \p \v 13 Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze. \v 14 Rele anmwey, O \x + \xo 23:14 \xo*\xt És 2:16\xt*\x*bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi! \v 15 Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan \x + \xo 23:15 \xo*\xt Jr 25:11-22\xt*\x*swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a. \v 16 Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou. \v 17 Li va vin rive nan \x + \xo 23:17 \xo*\xt És 23:15\xt*\x*fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo. \v 18 Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va \x + \xo 23:18 \xo*\xt Egz 28:36\xt*\x*mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo. \c 24 \p \v 1 Gade byen, SENYÈ a \x + \xo 24:1 \xo*\xt És 2:19\xt*\x*va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann. \v 2 Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, \x + \xo 24:2 \xo*\xt Lev 25:36-37\xt*\x*sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a. \v 3 Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a. \v 4 \x + \xo 24:4 \xo*\xt És 33:8\xt*\x*Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt. \v 5 Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la. \v 6 Akoz sa, yon \x + \xo 24:6 \xo*\xt Jos 23:15\xt*\x*malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete. \v 7 \x + \xo 24:7 \xo*\xt És 16:10\xt*\x*Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent. \v 8 \x + \xo 24:8 \xo*\xt És 5:12-14\xt*\x*Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann. \v 9 Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin \x + \xo 24:9 \xo*\xt És 5:20 \xt*\x*anmè pou sila ki bwè l yo. \v 10 Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. \x + \xo 24:10 \xo*\xt És 23:1 \xt*\x*Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre. \v 11 Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. \x + \xo 24:11 \xo*\xt És 16:10\xt*\x*Tout kè kontan vire an gwo tristès. \v 12 Se dezolasyon ki rete nan vil la e \x + \xo 24:12 \xo*\xt És 14:31\xt*\x*pòtay la fin kraze nèt. \v 13 Paske se \x + \xo 24:13 \xo*\xt És 17:6\xt*\x*konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo. \v 14 \x + \xo 24:14 \xo*\xt És 12:6\xt*\x*Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a. \v 15 Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan \x + \xo 24:15 \xo*\xt És 11:11 \xt*\x*peyi kot lanmè yo. \v 16 Soti nan \x + \xo 24:16 \xo*\xt És 11:12\xt*\x*dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.” \v 17 \x + \xo 24:17 \xo*\xt Jr 48:43\xt*\x*Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè. \v 18 Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske \x + \xo 24:18 \xo*\xt Jen 7:11\xt*\x*fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble. \v 19 Latè vin dechire. Latè vin \x + \xo 24:19 \xo*\xt Nonb 16:31-32 \xt*\x*fann nèt. Latè souke ak vyolans. \v 20 Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt \x + \xo 24:20 \xo*\xt Dan 11:19\xt*\x*pou l pa janm leve ankò. \v 21 Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va \x + \xo 24:21 \xo*\xt És 10:12\xt*\x*pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo. \v 22 Yo va ranmase ansanm tankou \x + \xo 24:22 \xo*\xt És 10:4\xt*\x*prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini. \v 23 Konsa, \x + \xo 24:23 \xo*\xt És 13:10\xt*\x*lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo. \c 25 \p \v 1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; \x + \xo 25:1 \xo*\xt Ef 1:11 \xt*\x*plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite. \v 2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon \x + \xo 25:2 \xo*\xt És 13:22\xt*\x* palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati. \v 3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. \x + \xo 25:3 \xo*\xt És 13:11\xt*\x*Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj . \v 4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a \x + \xo 25:4 \xo*\xt És 29:5-20\xt*\x*mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray. \v 5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese \x + \xo 25:5 \xo*\xt Jr 51:54-56\xt*\x*zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba. \p \v 6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou \x + \xo 25:6 \xo*\xt És 2:2-4\xt*\x*tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. \v 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt \x + \xo 25:7 \xo*\xt II Kor 3:15-16\xt*\x*kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. \v 8 Li te \x + \xo 25:8 \xo*\xt Os 13:14\xt*\x*vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale. \p \v 9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, \x + \xo 25:9 \xo*\xt És 35:2\xt*\x*sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!” \v 10 Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a. \p Epi \x + \xo 25:10 \xo*\xt És 16:14\xt*\x*Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye. \v 11 L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va \x + \xo 25:11 \xo*\xt Job 40:11\xt*\x*desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo. \v 12 L ap desann ranfòsman fò ki \x + \xo 25:12 \xo*\xt És 15:1\xt*\x*pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè. \c 26 \p \v 1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: \q1 “Nou gen yon vil ki fò; \q1 li monte miray ak ranfò pou \x + \xo 26:1 \xo*\xt És 60:18 \xt*\x*sekirite. \q1 \v 2 Ouvri \x + \xo 26:2 \xo*\xt És 60:11-18\xt*\x*pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre; \q1 sila ki rete fidèl la. \q1 \v 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo, \q1 Ou va kenbe nan \x + \xo 26:3 \xo*\xt És 26:12\xt*\x*lapè pafè, \q1 akoz li gen konfyans nan Ou. \q1 \v 4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, \q1 paske nan BONDYE SENYÈ a, \q1 nou gen yon \x + \xo 26:4 \xo*\xt És 17:10 \xt*\x*Wòch etènèl. \q1 \v 5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo, \q1 vil ki pa t kapab venk lan. \q1 \x + \xo 26:5 \xo*\xt Job 40:11-13\xt*\x*Li te desann li ba. \q1 Li te desann li jis atè. \q1 Li te jete li nan pousyè. \q1 \v 6 \x + \xo 26:6 \xo*\xt Job 40:11-13\xt*\x*Pye va foule l, pye a malere a, \q1 pla pye a sila ki san sekou yo.” \q1 \v 7 \x + \xo 26:7 \xo*\xt És 57:2\xt*\x*Chemen moun jis se ladwati. \q1 O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla. \b \q1 \v 8 Anverite, selon jijman Ou yo, \q1 O SENYÈ, nou t ap tann Ou. \q1 Non Ou, menm \x + \xo 26:8 \xo*\xt Egz 3:15\xt*\x*memwa Ou, se dezi a nanm nou. \q1 \v 9 \x + \xo 26:9 \xo*\xt Sòm 63:5-6\xt*\x*Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. \q1 Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; \q1 paske lè jijman Ou yo rive sou latè, \q1 sila ki rete ladann yo, aprann ladwati. \q1 \v 10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. \q1 Li \x + \xo 26:10 \xo*\xt Os 11:7\xt*\x*aji ak enjistis nan peyi ladwati. \q1 Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a. \b \q1 \v 11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men \x + \xo 26:11 \xo*\xt És 44:9-18\xt*\x*yo pa wè li; \q1 men yo va wè zèl Ou pou pèp la \q1 e y ap vin wont. \q1 Anverite, dife va devore lènmi Ou yo. \q1 \v 12 SENYÈ, Ou va etabli \x + \xo 26:12 \xo*\xt És 26:3\xt*\x*lapè pou nou, \q1 akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo. \q1 \v 13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou; \q1 men se non Ou sèl, ke nap konfese. \q1 \v 14 \x + \xo 26:14 \xo*\xt Det 4:28\xt*\x*Sila ki mouri yo p ap viv. \q1 Lespri ki pati yo p ap leve ankò. \q1 Konsa, Ou te pini yo, detwi yo \q1 e Ou te efase tout memwa a yo menm. \q1 \v 15 \x + \xo 26:15 \xo*\xt És 9:3\xt*\x* Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ, \q1 Ou te agrandi nasyon an! \q1 Ou leve wo! \q1 Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj. \b \q1 \v 16 O SENYÈ, nan mitan \x + \xo 26:16 \xo*\xt És 37:3\xt*\x*gwo twoub yo, yo te chache Ou. \q1 Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo. \q1 \v 17 \x + \xo 26:17 \xo*\xt És 13:8\xt*\x*Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; \q1 li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; \q1 se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ. \q1 \v 18 Nou te ansent, nou te vire kò, \q1 men nou pa t bay nesans a plis ke van. \q1 Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a, \q1 ni \x + \xo 26:18 \xo*\xt Sòm 17:14\xt*\x* pitit mond yo pa t tonbe. \q1 \v 19 Moun \x + \xo 26:19 \xo*\xt És 25:8\xt*\x*mouri Ou yo va viv; \q1 kadav pa yo va leve. \q1 Nou menm ki kouche nan pousyè a, \q1 leve e fè kri lajwa, \q1 paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, \q1 e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo. \b \q1 \v 20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou \q1 e fèmen pòt nou dèyè nou. \q1 Kache pou yon ti tan jiskaske \x + \xo 26:20 \xo*\xt És 10:5-25\xt*\x*gwo kòlè a fin pase. \q1 \v 21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, \q1 pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. \q1 Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, \q1 e li p ap kache mò li yo ankò. \c 27 \p \v 1 Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; \x + \xo 27:1 \xo*\xt És 51:9 \xt*\x*li va touye dragon an ki rete nan lanmè a. \p \v 2 Nan jou sa a, chante pou li \x + \xo 27:2 \xo*\xt Sòm 80:8\xt*\x*"Yon bèl chan rezen! \v 3 Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen \x + \xo 27:3 \xo*\xt I Sam 2:9 \xt*\x*veye li lajounen kon lannwit. \v 4 Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! \x + \xo 27:4 \xo*\xt És 33:12\xt*\x*Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt. \v 5 Oswa, kite li \x + \xo 27:5 \xo*\xt És 12:2\xt*\x*depann de fòs Mwen pou l ka fè lapè avè M. Kite li fè lapè avè M.” \p \v 6 Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak \x + \xo 27:6 \xo*\xt És 4:2 \xt*\x*fwi. \v 7 Èske Li te frape yo, jan \x + \xo 27:7 \xo*\xt És 10:12-17\xt*\x*li te frape sa yo ki frape yo? Oswa èske se tankou masak Sila ki touye yo a, Li te touye yo? \v 8 Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou \x + \xo 27:8 \xo*\xt Jr 4:11\xt*\x*van lès la. \v 9 Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwi la pou \x + \xo 27:9 \xo*\xt Wo 11:27 \xt*\x*rete peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò. \v 10 Paske vil fòtifye a vin sèl, yon anplasman kay ki dezole e ki vin bliye tankou dezè. \x + \xo 27:10 \xo*\xt És 17:2 \xt*\x*Jenn bèf la va manje la, li va kouche e manje sou branch li yo. \v 11 Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa \x + \xo 27:11 \xo*\xt Det 32:18\xt*\x*Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras. \p \v 12 Nan jou sa a, SENYÈ a va kòmanse bat gwo rekòlt Li depi nan flèv Rivyè Euphrate la jis rive nan dlo Égypte la, e nou va vin ranmase youn pa youn, O fis Israël yo. \p \v 13 Anplis, li va vin rive ke nan jou ke \x + \xo 27:13 \xo*\xt Lev 25:9\xt*\x*gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan. \c 28 \p \v 1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven \x + \xo 28:1 \xo*\xt És 9:9 \xt*\x*Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo! \v 2 Veye byen, SENYÈ a gen \x + \xo 28:2 \xo*\xt És 8:7\xt*\x*yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li. \v 3 Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin \x + \xo 28:3 \xo*\xt És 26:6\xt*\x*foule anba pye. \v 4 Epi flè ki kanpe sou tèt valè fètil la, va vin pèdi bèlte li tankou \x + \xo 28:4 \xo*\xt Os 9:10\xt*\x*premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon a. Yon moun jwenn l, epi lapoula, li vale l. \v 5 Nan jou sa a, SENYÈ dèzame yo va vini yon bèl \x + \xo 28:5 \xo*\xt És 62:3\xt*\x*kouwòn, yon dyadèm ranpli ak glwa pou retay a pèp Li a. \v 6 Li va yon \x + \xo 28:6 \xo*\xt I Wa 3:28\xt*\x*espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo. \p \v 7 Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè \x + \xo 28:7 \xo*\xt És 29:11 \xt*\x*vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman. \v 8 Paske tout tab yo plen ak salte \x + \xo 28:8 \xo*\xt Jr 48:26\xt*\x*vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp. \p \v 9 A ki moun Li ta enstwi konesans e a kilès Li ta entèprete mesaj la? Sila ki fenk \x + \xo 28:9 \xo*\xt Sòm 131:2\xt*\x*sevre nan lèt yo? Sila ki fenk sispann pran tete yo? \v 10 Paske Li pale, \x + \xo 28:10 \xo*\xt II Kwo 36:15\xt*\x* Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la. \p \v 11 Anverite, Li va pale ak pèp sa a ak \x + \xo 28:11 \xo*\xt És 33:19\xt*\x*lèv bege e ak yon lang etranje, \v 12 Sila ki te di yo: “Men \x + \xo 28:12 \xo*\xt És 11:10\xt*\x*repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute. \v 13 Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, \x + \xo 28:13 \xo*\xt És 8:15\xt*\x*chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye. \p \v 14 Pou sa, koute pawòl SENYÈ a, O \x + \xo 28:14 \xo*\xt És 29:20\xt*\x*nou menm k ap moke yo, sila ki chèf sou pèp sa a ki rete nan Jérusalem nan: \v 15 “Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te \x + \xo 28:15 \xo*\xt És 29:15 \xt*\x*kache kò nou ak desepsyon.” \v 16 Pou sa, Senyè BONDYE a di: \x + \xo 28:16 \xo*\xt Wo 9:33\xt*\x*“Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm. \v 17 Mwen va fè \x + \xo 28:17 \xo*\xt II Wa 21:13\xt*\x*jistis sèvi kon lign mezi e ladwati kon règ nivo. Lagrèl va bale tout fatra nèt ki fèt ak manti, e dlo yo va debòde antre nan kote sekrè a. \v 18 Akò nou an ak lanmò va anile, e angajman nou an ak Sejou mò yo p ap kanpe. Lè gwo twoub la k ap kraze tout moun nan, pase kote nou, alò, nou va \x + \xo 28:18 \xo*\xt És 28:3 \xt*\x* foule anba l. \v 19 Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase. Nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit, pou konprann sa li ye a, va pote gwo laperèz.” \v 20 Kabann nan twò kout pou lonje kò nou e \x + \xo 28:20 \xo*\xt És 59:6 \xt*\x*dra a twò etwat pou vlope nou. \v 21 Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale \x + \xo 28:21 \xo*\xt Jos 10:10-12 \xt*\x*Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li. \v 22 Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou \x + \xo 28:22 \xo*\xt És 10:22-23 \xt*\x*detwi tout latè a. \p \v 23 Prete zòrèy nou pou tande vwa mwen! Koute e tande pawòl mwen yo. \v 24 Èske kiltivatè a raboure tout tan pou plante grenn semans? Èske li pa janm sispann vire tè a? \v 25 Èske li pa fè tè a nivo pou simen \x + \xo 28:25 \xo*\xt Mat 23:23\xt*\x*grenn lanni, gaye grenn kimen, plante ble nan ranje yolòj nan plas li ak pitimi nan kote pa li? \v 26 Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon. \v 27 Paske grenn lanni pa kraze vannen ak \x + \xo 28:27 \xo*\xt Am 1:3\xt*\x*gwo baton, ni wou kabwèt pa woule sou kimen, men lanni bat ak yon planch bwa e kimen ak yon baton. \v 28 Sereyal pou fè pen oblije kraze; anverite, li p ap ka kontinye bat pou vannen li tout tan. Menmsi wou kabwèt li a ak pye cheval li yo ta pase sou li, cheval la pa ka fè l moulen. \v 29 Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye, ak sajès Li \x + \xo 28:29 \xo*\xt És 31:2 \xt*\x*byen gran. \c 29 \p \v 1 Malè a Ariel! Ariel, vil kote David yon fwa \x + \xo 29:1 \xo*\xt II Sam 5:9\xt*\x*te fè kan an! Ogmante lane sou lane, obsève fèt ou yo nan lè yo. \v 2 Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil \x + \xo 29:2 \xo*\xt És 3:26\xt*\x*gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a. \v 3 Mwen va \x + \xo 29:3 \xo*\xt Luc 19:43\xt*\x*fè kan kont ou e antoure ou. Mwen va monte aparèy syèj kont ou e fè yo monte fò batay kont ou. \v 4 Konsa ou va vin \x + \xo 29:4 \xo*\xt És 8:19\xt*\x*bese. Se jis nan tè a, pale ou va bougonnen depi nan pousyè. Vwa ou va, anplis, tankou yon vwa a yon lespri, konsi ou konnen l deja, k ap soti nan tè a. Se konsa pawòl ou yo va chichote soti nan pousyè a. \p \v 5 Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou \x + \xo 29:5 \xo*\xt És 17:13\xt*\x*pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman. \v 6 Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak \x + \xo 29:6 \xo*\xt I Sam 2:10 \xt*\x*tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay. \v 7 Konsa, \x + \xo 29:7 \xo*\xt Mi 4:11-12\xt*\x*fòs kantite a tout nasyon ki va fè lagè kont Ariel yo, menm tout moun ki fè lagè kont li ak gwo fò li yo ak sila ki bay li gwo twoub, sa va devni tankou yon rèv, yon vizyon nan nwit. \v 8 Sa va tankou lè yon nonm grangou fè rèv—e gade byen, l ap manje. Men lè l leve nan dòmi a, gade byen, li toujou fèb e grangou; li pa satisfè. Oswa lè yon nonm swaf fè rev—epi gade byen, l ap bwe, men lè l leve li toujou fèb, e swaf la pa t satisfè. Se \x + \xo 29:8 \xo*\xt És 8:19\xt*\x*konsa kantite tout nasyon ki fè lagè kont Mòn Sion yo va ye. \p \v 9 \x + \xo 29:9 \xo*\xt És 29:1\xt*\x*Pran reta epi tan! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò. \v 10 Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri \x + \xo 29:10 \xo*\xt Sòm 69:23\xt*\x*pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo. \v 11 Tout vizyon va pou nou tankou pawòl a yon \x + \xo 29:11 \xo*\xt És 8:16\xt*\x*liv ki fèmen ak so. Lè yo bay li a yon moun ki konn li, yo di l: “Souple, li sa a.” Men li va di: “Mwen pa kapab, paske li fèmen ak so.” \v 12 Konsa liv la va bay a sila ki pa ka li, e y ap di l: “Souple, li sa a.” Epi li va di: “Mwen pa kapab li.” \p \v 13 Senyè a te di: “Akoz \x + \xo 29:13 \xo*\xt Éz 33:31\xt*\x*pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè, \v 14 pou sa, gade byen, Mwen va yon fwa ankò aji ak mèvèy pami pèp sa; yon mèvèy ki etonan! Konsa, \x + \xo 29:14 \xo*\xt És 44:25\xt*\x*sajès a moun saj pa yo va disparèt, e konesans a moun ki gen bon konprann yo va vin kache.” \p \v 15 Malè a sila ki kache plan yo byen fon pou SENYÈ a pa wè, e ki fè \x + \xo 29:15 \xo*\xt Job 22:13 \xt*\x*zak yo nan fènwa a, e y ap di: “Se kilès ki wè nou?” Oswa “Se kilès ki rekonèt nou?” \v 16 Ou chavire bagay la nèt! Èske sila ki fè kanari a ta dwe konsidere egal ak ajil la, pou sa ki te fèt la, ta ka di a sila ki fè li a: “Li pa t fè mwen”; oswa \x + \xo 29:16 \xo*\xt És 45:9\xt*\x*sa ki te fòme a ta ka di a sila ki te fòme li a: “Li pa konprann anyen?” \p \v 17 Èske se pa yon ti kras tan ki rete ankò avan Liban vin transfòme an yon \x + \xo 29:17 \xo*\xt Sòm 84:6\xt*\x*chan fètil, e chan fètil la va konsidere kon yon forè? \v 18 Nan jou sa a, \x + \xo 29:18 \xo*\xt És 35:5\xt*\x*moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb. \v 19 Anplis, \x + \xo 29:19 \xo*\xt Sòm 25:9\xt*\x*moun enb yo va fè kè yo pi kontan ak SENYÈ a, e malere yo pami moun yo va rejwi nan Sila Ki Sen an Israël la. \v 20 Paske moun san pitye yo va rive nan fen yo, e mokè yo va disparèt. Anverite, \x + \xo 29:20 \xo*\xt És 59:4\xt*\x*tout moun ak lentansyon fè mal, va vin koupe retire nèt— \v 21 sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj. \p \v 22 Akoz sa a, SENYÈ a ki te rachte Abraham nan, di konsènan lakay Jacob: \x + \xo 29:22 \xo*\xt És 45:17\xt*\x*“Jacob p ap ankò vin wont, ni figi li vin pal. \v 23 Men lè li wè \x + \xo 29:23 \xo*\xt És 49:20-26\xt*\x*pitit li yo, zèv men Mwen yo nan mitan li, yo va sanktifye non Mwen. Anverite, yo va sanktifye non a Sila Ki Sen a Jacob la, e va kanpe byen etone devan Bondye Israël la. \v 24 Anplis, sila ki fè tò nan panse yo, va \x + \xo 29:24 \xo*\xt És 41:20\xt*\x*konnen verite a, e sila ki kritike yo va resevwa enstriksyon.” \c 30 \p \v 1 “Malè a pitit k ap fè rebèl yo”, deklare SENYÈ a: “Sila ki resevwa konsèy, men ki pa pa M; ki \x + \xo 30:1 \xo*\xt És 8:11-12 \xt*\x*fè yon alyans, men pa nan Lespri pa M, pou ogmante peche sou peche; \v 2 ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka \x + \xo 30:2 \xo*\xt És 36:9 \xt*\x*fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte! \v 3 Akoz sa, sekirite Farawon va vin \x + \xo 30:3 \xo*\xt És 20:5-6\xt*\x*wont nou, e pwotèj nan lonbraj Égypte la va fè imilyasyon nou. \v 4 Paske \x + \xo 30:4 \xo*\xt És 19:11\xt*\x*prens pa yo se nan Tsoan e anbasadè pa yo vin parèt nan Hanès. \v 5 Tout moun va vin \x + \xo 30:5 \xo*\xt Jr 2:36\xt*\x*wont akoz yon pèp ki p ap ka bay yo okenn avantaj, ni pou sekou, ni pou pwofi, men pou wont, e anplis, pou repwòch.” \p \v 6 Pwofesi konsènan bèt nan \x + \xo 30:6 \xo*\xt Jen 12:9\xt*\x*dezè Midi yo. \p Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj. \v 7 Paske sekou Égypte, se vanite san rezilta. Akoz sa, Mwen te rele li Rahab ki kanpe janm. \x + \xo 30:7 \xo*\xt Job 9:13 \xt*\x* \v 8 Koulye a, ale, \x + \xo 30:8 \xo*\xt És 8:1\xt*\x*ekri li sou yon adwaz devan yo, e enskri li sou yon woulo papye pou l ka sèvi nan tan k ap vini yo. Konsa la sèvi yon temwen jis pou tout tan. \v 9 Paske sa se yon pèp rebèl, fis manti, fis ki refize \x + \xo 30:9 \xo*\xt És 1:10 \xt*\x*koute enstriksyon SENYÈ a; \v 10 ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. \x + \xo 30:10 \xo*\xt I Wa 22:8-13\xt*\x*Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon. \v 11 Sòti nan wout la, \x + \xo 30:11 \xo*\xt Trav 13:8\xt*\x*vire sou kote chemen an. Pa kite nou tande menm ankò afè a Sila Ki Sen an Israël la.” \v 12 Akoz sa, konsa pale Sila Ki Sen an Israël la: \x + \xo 30:12 \xo*\xt És 5:24\xt*\x*“Akoz nou te rejte pawòl sa a, e te mete konfyans nou nan opresyon ak desepsyon, e te depann de yo, \v 13 akoz sa, \x + \xo 30:13 \xo*\xt És 26:21\xt*\x*inikite sa a va pou nou kon yon gwo brèch nan miray ki prèt pou tonbe a, yon gwo pati k ap souke nan yon miray ki wo, ki ka pete tonbe \x + \xo 30:13 \xo*\xt És 29:5 \xt*\x*sibitman, nan yon enstan. \v 14 Lè l vin kraze, l ap tankou \x + \xo 30:14 \xo*\xt Sòm 2:9\xt*\x*po a mèt kanari a, ki tèlman kraze ak vyolans ke yon mòso cha p ap ka twouve pami mòso yo, ki ta ka menm pote dife sòti nan founo a, oswa kenbe dlo ki sòti nan sitèn nan.” \p \v 15 Paske konsa pale Senyè BONDYE a, sèl Sila Ki Sen an Israël la te di: “Nan repantans ak \x + \xo 30:15 \xo*\xt Sòm 116:7 \xt*\x*repo, nou va sove. Nan kalm ak konfyans, fòs nou ye.” Men nou pa t vle. \v 16 Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou \x + \xo 30:16 \xo*\xt És 2:7 \xt*\x*cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! "Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid. \v 17 \x + \xo 30:17 \xo*\xt Lev 26:36\xt*\x*Mil moun va sove ale menase pa yon sèl moun. Nou va sove ale sou menas a senk moun, jiskaske nou vin lage tankou yon drapo sou yon do mòn; tankou yon siyal k ap limen sou yon kolin. \p \v 18 Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni! \x + \xo 30:18 \xo*\xt És 8:17 \xt*\x* \v 19 Paske moun yo va rete nan Sion, nan Jérusalem. Nou \x + \xo 30:19 \xo*\xt És 25:8\xt*\x*p ap kriye ankò. Anverite Li va fè nou gras lè L tande vwa kriye nou. Lè L tande l, Li va reponn nou. \v 20 Sepandan, Senyè a te bay nou pen advèsite, ak dlo lafliksyon, malgre, pwofesè nou yo, p ap \x + \xo 30:20 \xo*\xt Sòm 74:9\xt*\x*kache tèt yo ankò, men zye nou va wè pwofesè nou yo. \v 21 Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”. \v 22 Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!” \p \v 23 Epi Li va \x + \xo 30:23 \xo*\xt Sòm 65:9-13\xt*\x*bay lapli pou grenn semans ke ou simen nan tè a, ak pen ki soti nan rekòlt tè a. Li va bon e li va anpil. Nan jou sa a, bèt nou yo va manje nan yon patiraj byen laj. \v 24 Anplis, bèf ak bourik ki travay latè yo va manje yon manje bon gou, ki te \x + \xo 30:24 \xo*\xt Mat 3:12\xt*\x*vannen ak pèl ak fouchèt. \v 25 Sou chak mòn ki wo ak chak \x + \xo 30:25 \xo*\xt És 35:6-7\xt*\x*kolin, va gen sous ki kouri ak dlo nan jou gwo masak la lè fò yo vin tonbe. \v 26 \x + \xo 30:26 \xo*\xt És 24:23\xt*\x*Limyè lalin nan va tankou limyè solèy la, e limyè solèy la va sèt fwa pi klere tankou limyè ki pou sèt jou, nan jou ke SENYÈ a geri frakti a pèp Li a e panse blesi ki te frape yo. \p \v 27 Gade byen, \x + \xo 30:27 \xo*\xt És 59:19\xt*\x*non a SENYÈ a sòti yon kote byen lwen. Lakòlè Li plen chalè ak lafimen k ap monte byen pwès. Lèv Li plen ak gwo kòlè e lang Li tankou yon dife k ap brile tout bagay. \v 28 Souf Li tankou yon flèv k ap debòde, ki rive jis nan kou, pou souke nasyon yo. L ap fè yo ale retou nan yon paswa destriksyon. Yon \x + \xo 30:28 \xo*\xt Am 9:9\xt*\x*brid ki mennen nan destriksyon an va plase nan bouch a pèp yo. \v 29 Konsa, nou va chante tankou nan lannwit la, tankou lè nou rete nan fèt ak kè kontan, tankou lè yon moun ap mache sou son a flit, pou ale nan mòn SENYÈ a, Wòch Israël la. \v 30 SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo. \v 31 Paske ak vwa SENYÈ a, Assyrie va vin etone nèt. L ap vin frape ak \x + \xo 30:31 \xo*\xt És 10:26\xt*\x*baton. \v 32 Chak kout baton pinisyon ke SENYÈ a mete sou li, va fèt ak mizik a tanbouren ak gita. Li va fè batay ak yo. \x + \xo 30:32 \xo*\xt Éz 32:10\xt*\x*L ap rale tout zam yo parèt. Li va goumen kont yo. \v 33 Paske \x + \xo 30:33 \xo*\xt II Wa 23:10\xt*\x*plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li. \c 31 \q1 \v 1 Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, \q1 ki depann de cheval yo, \q1 ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, \q1 ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; \q1 men yo pa gade sou \x + \xo 31:1 \xo*\xt És 10:17 \xt*\x*Sila Ki Sen an Israël la, \q1 ni chache SENYÈ a! \q1 \v 2 Men anplis, Li saj; \q1 Li va mennen dezas; \q1 Li \x + \xo 31:2 \xo*\xt Nonb 23:19\xt*\x*p ap retire pawòl Li menm; \q1 men Li va leve kont kay malfektè yo, \q1 ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo. \q1 \v 3 Alò, Ejipsyen yo se \x + \xo 31:3 \xo*\xt Éz 28:9\xt*\x*moun. \q1 Se pa Bondye. \q1 Cheval yo se chè; se pa lespri. \q1 Pou sa, SENYÈ la va lonje men L; \q1 sila k ap bay sekou a va glise tonbe. \q1 Sila ki resevwa sekou a va tonbe, \q1 e yo tout va rive fini ansanm. \b \q1 \v 4 Paske konsa SENYÈ a di mwen: \q1 “Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje, \q1 lè yon bann bèje vin parèt la; \q1 li p ap pè vwa yo, \q1 ni li p ap deranje akoz bri yo fè. \q1 Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann \q1 pou \x + \xo 31:4 \xo*\xt És 42:13\xt*\x*fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.” \q1 \v 5 Tankou zwazo k ap vole, \q1 se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem. \q1 Li va \x + \xo 31:5 \xo*\xt És 37:35\xt*\x*pwoteje li e delivre li. \q1 Li va pase sou sa pou sove li. \q1 \v 6 Retounen kote Sila ke nou te \x + \xo 31:6 \xo*\xt És 1:2-5 \xt*\x*tèlman neglije a, O fis Israël yo. \q1 \v 7 Paske nan jou sa a, tout moun \q1 va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo, \q1 ke \x + \xo 31:7 \xo*\xt I Wa 12:30 \xt*\x*men plen peche nou yo te fè pou nou. \q1 \v 8 Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm, \q1 e \x + \xo 31:8 \xo*\xt És 66:16\xt*\x*nepe a ki pa pou lòm va devore l. \q1 Pou sa, li p ap chape anba nepe a, \q1 e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve. \q1 \v 9 “Wòch li va disparèt akoz panik, \q1 e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”, \q1 deklare SENYÈ a, \q1 \x + \xo 31:9 \xo*\xt És 10:16-17\xt*\x*Sila ki gen dife Li nan Sion an, \q1 ak founo nan Jérusalem nan. \c 32 \q1 \v 1 Gade byen, yon \x + \xo 32:1 \xo*\xt Sòm 72:1-4\xt*\x*wa va renye ak ladwati \q1 e prens yo va renye ak jistis. \q1 \v 2 Yon nonm va tankou yon abri kont van \q1 ak yon pwotèj kont tanpèt, \q1 tankou sous dlo nan yon peyi sèch, \q1 tankou \x + \xo 32:2 \xo*\xt És 4:6\xt*\x*lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche. \q1 \v 3 Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle; \q1 zòrèy a sila ki tande yo, va koute. \q1 \v 4 Kè a sila ki \x + \xo 32:4 \xo*\xt És 29:24\xt*\x*aji san reflechi a va konprann verite, \q1 e lang lan a sila ki bege a va pale klè. \q1 \v 5 Li p ap rive ankò ke yo rele \x + \xo 32:5 \xo*\xt I Sam 25:25\xt*\x*moun fou, prens; \q1 ni rele vakabon, moun bon kè. \q1 \v 6 Paske moun fou a pale foli, \q1 e kè li apiye vè mechanste: \q1 pou fè sa ki kont Bondye \q1 e pale mal kont SENYÈ a, \q1 pou \x + \xo 32:6 \xo*\xt És 3:15 \xt*\x*kenbe moun grangou a san satisfè, \q1 e pou anpeche moun swaf la bwè. \q1 \v 7 Pou vakabon an, zam li se mechanste. \q1 Li \x + \xo 32:7 \xo*\xt Jr 5:26-28\xt*\x*fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang, \q1 malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon. \q1 \v 8 Men \x + \xo 32:8 \xo*\xt Pwov 11:25\xt*\x*sila ki prens toujou fòme plan ki bèl; \q1 epi pa bèl plan an, ap kanpe. \q1 \v 9 Leve ou menm, O \x + \xo 32:9 \xo*\xt És 47:8\xt*\x*fanm ki alèz e tande vwa mwen! \q1 Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo. \q1 \v 10 Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble, \q1 O fi ki san pridans yo; \q1 \x + \xo 32:10 \xo*\xt És 5:5-6\xt*\x*paske, afè fwi diven an va fini, \q1 ni rekòlt la p ap rive. \q1 \v 11 Tranble, fanm alèz yo; \q1 twouble, nou menm ki san pridans! \q1 \x + \xo 32:11 \xo*\xt És 47:2 \xt*\x*Retire rad nou, dezabiye nou \q1 e mete twal sak nan senti nou. \q1 \v 12 \x + \xo 32:12 \xo*\xt Na 2:7\xt*\x*Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo, \q1 pou chan ki plen ak fwi rezen yo. \q1 \v 13 Anplis\x + \xo 32:13 \xo*\xt És 5:6-17\xt*\x*pou peyi a pèp mwen an, \q1 kote pikan ak raje va pouse monte; \q1 wi pou tout kay plen ak jwa yo \q1 ak gran vil kè kontan yo. \q1 \v 14 Paske \x + \xo 32:14 \xo*\xt És 13:22\xt*\x*palè a vin vid, \q1 e gran vil plen moun yo vin abandone. \q1 Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan, \q1 yon plezi pou bourik mawon, \q1 yon patiraj pou bann mouton yo; \q1 \v 15 jiskaske \x + \xo 32:15 \xo*\xt És 11:2\xt*\x*Lespri a vide sou nou soti anwo, \q1 epi savann nan vin fè yon chan fètil, \q1 e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè. \b \q1 \v 16 Nan lè sa a \x + \xo 32:16 \xo*\xt És 33:5\xt*\x*lajistis va demere nan dezè a \q1 e ladwati nan chan fètil la. \q1 \v 17 Epi \x + \xo 32:17 \xo*\xt Sòm 72:2-3\xt*\x*zèv ladwati a va lapè, \q1 e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans \q1 k ap dire jis pou tout tan. \q1 \v 18 Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè, \q1 ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm. \q1 \v 19 Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e \x + \xo 32:19 \xo*\xt És 24:10-12\xt*\x*gran vil la va vin devaste nèt. \q1 \v 20 A la \x + \xo 32:20 \xo*\xt Ekl 11:1\xt*\x*beni nou va beni, \q1 nou menm ki simen akote tout dlo yo, \q1 ki lage pye bèf ak bourik la. \c 33 \q1 \v 1 Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; \q1 epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. \q1 Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. \q1 Depi ou fin fè trèt, lòt moun va \x + \xo 33:1 \xo*\xt Jr 25:12-14 \xt*\x*fè trèt kont ou. \b \q1 \v 2 O SENYÈ, \x + \xo 33:2 \xo*\xt És 30:18-19\xt*\x*fè nou gras. Nou t ap tann Ou. \q1 Sèvi kon fòs pa nou chak maten, \q1 delivrans pa nou nan tan gwo twoub. \q1 \v 3 Lè bri zen an vin leve, \x + \xo 33:3 \xo*\xt És 17:13\xt*\x*pèp yo sove ale. \q1 Lè Ou fè leve Ou menm, nasyon yo gaye. \q1 \v 4 Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase. \q1 Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li. \q1 \v 5 SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete. \q1 Li te \x + \xo 33:5 \xo*\xt És 1:26\xt*\x*ranpli Sion ak jistis ak ladwati. \q1 \v 6 Se Li k ap fè tan pa nou estab, \x + \xo 33:6 \xo*\xt És 45:17\xt*\x*richès a delivrans, sajès ak konesans. \q1 Lakrent SENYÈ a se trezò ou. \b \q1 \v 7 Gade byen, mesye pwisan pa yo, kriye nan lari, \q1 \x + \xo 33:7 \xo*\xt II Wa 18:18-37 \xt*\x*anbasadè lapè yo kriye fò. \q1 \v 8 Gran chemen yo rete vid. \q1 \x + \xo 33:8 \xo*\xt És 35:8\xt*\x*Moun ki vwayaje yo sispann. \q1 Li te kase akò a. \q1 Li te meprize vil yo. \q1 Li pa respekte pèsòn. \q1 \v 9 \x + \xo 33:9 \xo*\xt És 3:26\xt*\x*Peyi a kriye ak doulè, ak kè fennen. \q1 Liban vin wont e tanme disparèt. \q1 Saron vin tankou yon dezè e Basan ak Carmel pèdi tout fèyaj. \q1 \v 10 “Koulye a, \x + \xo 33:10 \xo*\xt Sòm 12:5\xt*\x*Mwen va leve”, SENYÈ a di: \q1 “Koulye a Mwen va egzalte. \q1 Koulye a Mwen va leve wo. \q1 \v 11 Nou te ansent pay, e nou va akouche pay. \q1 \x + \xo 33:11 \xo*\xt És 1:31\xt*\x* Souf Mwen va manje nou tankou dife. \q1 \v 12 Pèp yo va brile kon lacho, \q1 \x + \xo 33:12 \xo*\xt II Sam 23:6-7 \xt*\x*tankou pikan koupe ki fin brile nan dife a.” \b \q1 \v 13 “Nou menm ki lwen yo, \x + \xo 33:13 \xo*\xt Sòm 48:10\xt*\x* koute sa ke M te fè a; \q1 epi nou menm ki toupre, rekonèt pwisans Mwen.” \q1 \v 14 \x + \xo 33:14 \xo*\xt És 1:28\xt*\x*Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz; \q1 tranbleman fin sezi enkwayan yo. \q1 Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay? \q1 “Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tou tan an?” \q1 \v 15 Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a? \q1 Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la, \q1 e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo; \q1 sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san, \q1 e ki \x + \xo 33:15 \xo*\xt Sòm 119:37 \xt*\x*fèmen zye l pou l pa gade mal. \q1 \v 16 Li va demere nan wotè yo; \q1 \x + \xo 33:16 \xo*\xt És 25:4\xt*\x*pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. \q1 Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire. \b \q1 \v 17 Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li. \q1 Yo va wè \x + \xo 33:17 \xo*\xt És 26:15 \xt*\x*yon peyi ki byen lwen. \q1 \v 18 Kè ou va medite sou gwo laperèz la. \q1 “Kote sila ki te konte a? \q1 Kote sila ki te peze a? \q1 Kote sila ki te konte fò yo?” \q1 \v 19 Ou p ap ankò wè yon pèp fewòs, \q1 yon pèp ak \x + \xo 33:19 \xo*\xt Det 28:49-50\xt*\x*langaj dwòl ke ou pa konprann, \q1 a lang bege ke pèsòn pa konprann. \q1 \v 20 Gade sou Sion, gran vil a gwo fèt dezinye yo. \q1 Zye ou va wè Jérusalem, yon abitasyon san twoub, \q1 yon \x + \xo 33:20 \xo*\xt És 54:2 \xt*\x*tant ki p ap bezwen pliye. \q1 Pikèt li p ap janm rache, \q1 ni kòd li yo p ap chire. \q1 \v 21 Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste, \q1 yon \x + \xo 33:21 \xo*\xt És 41:18\xt*\x*kote ak rivyè ak gwo kanal, \q1 sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase, \q1 ni gwo bato p ap janm pase la. \q1 \v 22 Paske SENYÈ a se \x + \xo 33:22 \xo*\xt És 2:4\xt*\x*jij nou. \q1 Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo. \q1 Se SENYÈ a ki wa nou. \q1 Se Li menm ki va sove nou. \b \q1 \v 23 Kòd vwal nou yo vin lach. \q1 Yo p at ka soutini baz ma bato a byen, \q1 ni kenbe vwal la gran ouvri. \q1 Alò, piyaj la a gwo boutin nan te divize. \q1 \x + \xo 33:23 \xo*\xt II Wa 7:8\xt*\x*Sila ki bwate a te pran piyaj la. \b \q1 \v 24 Pèp peyi a pa p di: “Mwen malad”. \q1 Moun ki rete la yo va padone pou inikite yo. \c 34 \q1 \v 1 Rapwoche, O nasyon yo pou tande! \q1 Koute, o pèp yo! \q1 \x + \xo 34:1 \xo*\xt Det 32:1\xt*\x*Kite latè ak tout sa ki ladann tande, \q1 e lemonn ak tout sa ki ladann. \q1 \v 2 Paske \x + \xo 34:2 \xo*\xt És 26:20\xt*\x*gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo \q1 e jijman Li brile kont tout lame yo. \q1 Li te detwi yo nèt. \q1 Li te donnen yo a yon gwo masak. \q1 \v 3 Konsa, mò yo va \x + \xo 34:3 \xo*\xt És 14:9\xt*\x*jete deyò. \q1 Kadav yo va fè movèz odè, \q1 e mòn yo va tranpe ak san yo. \q1 \v 4 Tout lame syèl la va vin efase. \q1 \x + \xo 34:4 \xo*\xt Rev 6:12-14\xt*\x*Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv; \q1 e tout lame li yo va vin fennen nèt, \q1 tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an, \q1 oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig. \q1 \v 5 Paske \x + \xo 34:5 \xo*\xt Det 32:41-42\xt*\x*nepe Mwen bwe ase nan syèl la. \q1 Gade byen, li va desann pou jije Édom \q1 ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo. \q1 \v 6 Nepe SENYÈ a plen ak san. \q1 Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton, \q1 ak bouk yo, ak grès a ren belye. \q1 Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan \x + \xo 34:6 \xo*\xt És 63:1\xt*\x*Botsra, \q1 ak yon gwo masak nan peyi Édom. \q1 \v 7 Anplis, bèf mawon va desann ak yo, \q1 ak jenn towo, ak towo pwisan yo. \q1 Konsa, peyi yo va \x + \xo 34:7 \xo*\xt És 63:6\xt*\x*tranpe ak san, \q1 e pousyè yo va vin gra ak grès. \b \q1 \v 8 Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans, \q1 yon ane vanjans pou koz a Sion an. \q1 \v 9 Sous dlo li yo va devni goudwon \q1 e tè pousyè li kon \x + \xo 34:9 \xo*\xt Det 29:23\xt*\x*souf. \q1 Peyi li va tounen goudwon k ap brile. \q1 \v 10 Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit. \q1 \x + \xo 34:10 \xo*\xt Rev 14:11\xt*\x*Lafimen li va monte jis pou tout tan. \q1 De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole. \q1 Okenn moun p ap pase ladann \q1 pou tout tan e pou tout tan. \q1 \v 11 Men \x + \xo 34:11 \xo*\xt So 2:14\xt*\x*grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li \q1 e ibou ak kònèy a va demere ladann. \q1 Li va tann sou li lign latwoublay, \q1 ak fil a plon vid la. \q1 \v 12 Yo va rele prens li yo a wayòm nan, \q1 men\x + \xo 34:12 \xo*\xt Jr 27:20\xt*\x*p ap gen k ap parèt. \q1 Tout prens li yo p ap anyen. \q1 \v 13 Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo, \q1 chadwon ak gwo raje nan \x + \xo 34:13 \xo*\xt És 13:22\xt*\x*gwo vil ranfòse yo. \q1 L ap devni yon kote frekante pa chen mawon. \q1 Li va fè kay tribinal pou otrich la. \q1 \v 14 \x + \xo 34:14 \xo*\xt És 13:21\xt*\x*Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo; \q1 kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li. \q1 Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la; \q1 l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze. \q1 \v 15 La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze; \q1 li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li. \q1 Menm \x + \xo 34:15 \xo*\xt Det 14:13 \xt*\x*bèt malfini yo va rankontre la, \q1 yo chak ak pwòp parèy yo. \b \q1 \v 16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li: \q1 Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la; \q1 okenn p ap manke parèy yo. \q1 Paske \x + \xo 34:16 \xo*\xt És 1:20 \xt*\x*bouch Mwen te pase lòd, \q1 e Lespri Li te ranmase yo. \q1 \v 17 Li te \x + \xo 34:17 \xo*\xt És 17:13\xt*\x*tire osò pou yo, \q1 e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a. \q1 Yo va posede kote a jis pou tout tan. \q1 De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann. \b \c 35 \q1 \v 1 Savann nan ak dezè a va kontan. \q1 \x + \xo 35:1 \xo*\xt És 41:19\xt*\x*Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz. \q1 \v 2 Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, \q1 e fè yon kri lajwa. \q1 Glwa Liban an va bay a li menm; \q1 majeste a Carmen ak Saron an. \q1 Yo va wè \x + \xo 35:2 \xo*\xt És 25:9 \xt*\x*glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an. \b \q1 \v 3 \x + \xo 35:3 \xo*\xt Job 4:3-4\xt*\x*Ankouraje men ki pedi fòs, \q1 e ranfòse jenou ki fèb la. \q1 \v 4 Pale a sila ki gen \x + \xo 35:4 \xo*\xt És 32:4\xt*\x*kè twouble yo, \q1 “Pran kouraj! \q1 Pa pè! \q1 Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. \q1 Rekonpans Li an va rive. \q1 Li va vini, e Li va sove nou.” \b \q1 \v 5 Konsa, \x + \xo 35:5 \xo*\xt És 29:18\xt*\x*zye avèg yo va louvri, \q1 e zòrèy a soud yo debouche. \q1 \v 6 \x + \xo 35:6 \xo*\xt Mat 15:30\xt*\x*Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, \q1 e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. \q1 Paske dlo va pete nan tè sèch yo, \q1 ak vwa dlo yo nan dezè a. \q1 \v 7 Peyi deseche a va vin tounen yon letan, \q1 e tè swaf kòn \x + \xo 35:7 \xo*\xt És 49:10\xt*\x*sous k ap pete dlo. \q1 Nan landwa chen mawon yo, \q1 nan kote yo poze a , va gen zèb ak wozo ak jon. \q1 \v 8 Yon gran chemen va la, yon gran ri. \q1 Li va rele Chemen Sen an. \q1 Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, \q1 men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. \q1 Moun mechan ak enpridan an pa p mache la. \q1 \v 9 Nanpwen lyon k ap la, \q1 ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li. \q1 Yo p ap twouve la. \q1 Men \x + \xo 35:9 \xo*\xt És 51:10\xt*\x*rachte yo va mache la. \q1 \v 10 \x + \xo 35:10 \xo*\xt És 1:27\xt*\x*Rachte a SENYÈ yo va retounen. \q1 Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; \q1 lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. \q1 Yo va twouve kè kontan ak lajwa; \q1 tristès ak soupi va sove ale. \c 36 \p \v 1 \x + \xo 36:1 \xo*\xt II Wa 18:13\xt*\x*Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias la, Sanchérib, wa Assyrie a, te monte kont tout vil ranfòse Juda yo e te sezi yo. \v 2 Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a. \v 3 Epi \x + \xo 36:3 \xo*\xt És 22:20\xt*\x*Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay wa a, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, grefye achiv la, te sòti vin kote l. \p \v 4 \x + \xo 36:4 \xo*\xt II Wa 18:19\xt*\x*Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias; ‘Se konsa gran wa a, wa Assyrie a pale: “Ki konfyans sa ou genyen an? \v 5 Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè \x + \xo 36:5 \xo*\xt II Wa 18:7\xt*\x*nou fè rebelyon kont mwen an? \v 6 Gade byen, ou depann de baton a wozo kraze sila a. Égypte menm. Men si yon nonm apiye kote li, baton li an ap antre nan men l e frennen l nèt. \x + \xo 36:6 \xo*\xt Sòm 146:3\xt*\x*Se konsa Farawon, wa Égypte la ye pou tout sila ki depann de li yo. \v 7 Men si ou di m: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, èske se pa \x + \xo 36:7 \xo*\xt Det 12:2-5\xt*\x*wo plas ak lotèl a Li menm yo ke Ézéchias te retire e te di Juda ak Jérusalem: ‘Ou va adore isit la devan lotèl sila a’? \v 8 Alò, pou rezon sa a, vin fè yon antant ak mèt mwen an, wa Assyrie a, e mwen va bannou de-mil cheval, si nou ka jwenn chevalye kont pou mete sou yo. \v 9 Kijan, alò, nou ka refize menm youn nan pi piti ofisye a mèt mwen yo pou \x + \xo 36:9 \xo*\xt És 20:5\xt*\x*depann de Égypte pou cha ak chevalye? \v 10 Èske konsa, mwen te monte san pèmisyon SENYÈ a, kont peyi sa a pou detwi l? \x + \xo 36:10 \xo*\xt I Wa 13:18\xt*\x*SENYÈ a te di mwen: “Ale monte kont peyi sa a pou detwi l.”’” \p \v 11 Epi Éliakim, Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Alò, pale ak sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale ak nou an \x + \xo 36:11 \xo*\xt És 36:13 \xt*\x*Jideyen nan zòrèy a moun ki sou miray yo.” \p \v 12 Men Rabschaké te di: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt nou ak nou menm pou pale pawòl sa yo, e pa a moun sila yo ki chita sou miray la, ki va oblije manje pwòp poupou yo e bwè dlo pipi yo ansanm avèk nou?” \v 13 Konsa Rabschaké te kanpe e te \x + \xo 36:13 \xo*\xt II Kwo 32:18\xt*\x*kriye ak yon gwo vwa an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl a gran wa a, wa Assyrie a. \v 14 Konsa pale wa a: ‘Pa kite Ézéchias pase nou nan \x + \xo 36:14 \xo*\xt És 37:10\xt*\x*tenten, paske li p ap ka delivre nou! \v 15 Ni pa kite Ézéchias fè nou \x + \xo 36:15 \xo*\xt És 36:18-20\xt*\x*mete konfyans nan SENYÈ a, oswa di nou: “Anverite SENYÈ a va delivre nou, vil sa a p ap bay nan men a wa Assyrie a.”’ \v 16 Pa koute Ézéchias, paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè ak mwen, vin jwenn mwen, chak moun va manje nan pwòp chan rezen pa li, chak moun nan pwòp pye fig pa li, e chak moun va bwè \x + \xo 36:16 \xo*\xt Pwov 5:15 \xt*\x*dlo nan pwòp sitèn pa li, \v 17 jiskaske m vin mennen nou ale nan yon peyi tankou peyi pa nou an, yon peyi ak anpil sereyal ak diven nèf, yon peyi ak pen ak chan rezen. \v 18 Veye pou Ézéchias pa egare nou e di nou: \x + \xo 36:18 \xo*\xt És 36:15\xt*\x*“SENYÈ a va delivre nou”. Èske youn nan dye a nasyon yo te delivre tè li a anba men a wa Assyrie la? \v 19 Kote dye a Hamath ak Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo? Epi kilè yo te \x + \xo 36:19 \xo*\xt II Wa 17:6\xt*\x*delivre Samarie nan men m?” \v 20 Se kilès pami tout \x + \xo 36:20 \xo*\xt I Wa 20:23-28\xt*\x*dye peyi sila yo ki te delivre peyi pa yo nan men m, pou SENYÈ a ta delivre Jérusalem nan soti men m?’” \p \v 21 Men yo te pe la e \x + \xo 36:21 \xo*\xt Pwov 9:7-8 \xt*\x*pa t di l yon mo, paske lòd a wa a se te: “Pa reponn li”. \p \v 22 Epi \x + \xo 36:22 \xo*\xt És 22:20\xt*\x*Éliakim, fis a Hilkija a, ki te chèf sou kay la, Schebna, sekretè a ak Joach, fis a Asaph, achivist la, te rive kote Ézéchias ak rad yo chire, e te di li pawòl a Rabschaké yo. \c 37 \p \v 1 \x + \xo 37:1 \xo*\xt II Wa 19:1-37\xt*\x*Lè wa Ézéchias te tande sa, li te chire rad li, te kouvri kò l ak sak twal, e li te antre lakay SENYÈ a. \v 2 Li te voye Éliakim ki te chèf nan kay la avèk Schebna, grefye a ak ansyen a prèt yo, kouvri ak sak twal, kote \x + \xo 37:2 \xo*\xt És 1:1 \xt*\x*Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la. \v 3 Yo te di l: “Men konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon \x + \xo 37:3 \xo*\xt És 22:5\xt*\x*jou gwo malè, repwòch ak rejè; paske pitit yo rive nan lè pou yo fèt e nanpwen fòs pou akouche yo. \v 4 Petèt, SENYÈ Bondye ou a va tande pawòl a Rabschaké, ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou \x + \xo 37:4 \xo*\xt És 36:13-20\xt*\x*repwoche Bondye vivan an, e li va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande yo. Pou sa, leve lapriyè yo pou retay ki la toujou yo.’” \p \v 5 Se konsa sèvitè a Wa Ézéchias yo te rive kote Ésaïe. \p \v 6 Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale mèt nou an, ‘Se konsa SENYÈ a pale: \x + \xo 37:6 \xo*\xt És 7:4\xt*\x*“Pa pè akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme non Mwen. \v 7 Gade byen, Mwen va mete yon lespri nan li pou l \x + \xo 37:7 \xo*\xt És 37:37-38\xt*\x*tande yon rimè pou li retounen nan pwòp peyi li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’” \p \v 8 Pou sa a, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna, paske li te tande ke wa a te kite \x + \xo 37:8 \xo*\xt Jos 10:31-32 \xt*\x*Lakis. \v 9 Lè li menm, wa Assyrie a tande yo pale de Tirhaka, wa \x + \xo 37:9 \xo*\xt És 18:1\xt*\x*Cush la: “Li te parèt deyò pou goumen kont nou,” epi lè l tande sa, li te voye mesaje yo kote Ézéchias e te di: \v 10 “Konsa ou va di a Ézéchias, wa a Juda a: \x + \xo 37:10 \xo*\xt És 36:15\xt*\x*‘Pa kite Bondye ou a nan sila ou mete konfyans ou an pase ou anba rizib pou di ou: “Jérusalem p ap bay nan men wa Assyrie a.” \v 11 \x + \xo 37:11 \xo*\xt És 10:9-11\xt*\x*Gade byen, ou te tande sa ke wa Assyrie yo te fè a tout peyi yo, ke yo te detwi yo nèt. Konsa, èske ou va chape? \v 12 Èske dye a nasyon sa yo ke papa m te detwi yo te delivre yo; Gozan, Charan, Retseph, ak fis a Éden ki te Telassar yo? \v 13 Kote wa Hamath la, wa Arpad la, ak wa nan vil a Sepharvaïm lan, Héna, ak Ivva?’” \p \v 14 Ézéchias te pran lèt la nan men mesaje a, li te li li. Konsa, li te monte lakay SENYÈ a, e li te ouvri li devan SENYÈ a. \v 15 Ézéchias te priye a SENYÈ a e te di: \v 16 “O SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li anwo cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou menm sèl, sou tout wayòm latè yo. \x + \xo 37:16 \xo*\xt És 42:5 \xt*\x*Ou te fè syèl la ak latè a. \v 17 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ pou \x + \xo 37:17 \xo*\xt Sòm 74:22\xt*\x*tande. Ouvri zye Ou, O SENYÈ pou Ou wè. Koute byen tout pawòl ke Sanchérib te voye pou repwoche Bondye vivan an. \v 18 Anverite O SENYÈ, \x + \xo 37:18 \xo*\xt II Wa 15:29\xt*\x*wa Assyrie yo te detwi tout peyi yo ak tout tè pa yo. \v 19 Epi li te jete dye pa yo nan dife, paske se pa t dye yo te ye, men \x + \xo 37:19 \xo*\xt És 2:8\xt*\x*zèv ki te fèt pa men a lòm, ak bwa ak wòch. Konsa yo te detwi yo. \v 20 Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, \x + \xo 37:20 \xo*\xt És 25:9\xt*\x*delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.” \p \v 21 Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Akoz nou te priye a Mwen menm sou Sanchérib, wa Assyrie a, \v 22 men pawòl ke SENYÈ a fin pale kont li: \x + \xo 37:22 \xo*\xt Sòm 9:14\xt*\x*Fi vyèj a Sion an desann ou nèt! Li pa bay ou valè. Fi a Jérusalem nan souke tèt li devan w! \v 23 Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont \x + \xo 37:23 \xo*\xt Éz 39:7 \xt*\x*Sila Ki Sen an Israël la! \v 24 Ak sèvitè ou yo, ou te meprize SENYÈ a! Ou te di: ‘Ak tout cha mwen yo, mwen te monte sou wotè a mòn yo, kote pi izole nan Liban yo. Epi mwen va koupe \x + \xo 37:24 \xo*\xt És 14:8\xt*\x*bwa sèd li yo ak tout bwa pichpen pi bèl yo. Mwen va monte kote tèt mòn pi wo li a, nan forè pi bèl li yo. \v 25 Mwen te fouye pwi yo, mwen te bwè dlo yo e \x + \xo 37:25 \xo*\xt Det 11:10\xt*\x*ak pla pye mwen, mwen fè tout rivyè an Égypte yo vin sèch.’” \p \v 26 “Èske ou pa t tande? Lontan sa, Mwen te fè li; depi nan tan ansyen yo, Mwen te \x + \xo 37:26 \xo*\xt Trav 2:23\xt*\x*planifye sa. Koulye a Mwen fin fè l rive, pou ou ta fè gwo vil fòtifye yo vin tounen gwo pil mazi. \v 27 Akoz sa, moun ki te rete ladann yo te manke fòs. Yo te plen konfizyon ak wont. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou \x + \xo 37:27 \xo*\xt Sòm 129:6\xt*\x*zèb sou twati kay ki fennen avan li fin grandi. \v 28 Men Mwen \x + \xo 37:28 \xo*\xt Sòm 139:1\xt*\x*konnen lè ou chita ak lè ou sòti, lè ou antre ak lè ou fè laraj kont Mwen. \v 29 Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz \x + \xo 37:29 \xo*\xt És 10:12\xt*\x*ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.” \p \v 30 “Epi sa va sign pou ou: ou va manje ane sa a sa ki \x + \xo 37:30 \xo*\xt Lev 25:5-11\xt*\x*grandi pou li, nan dezyèm ane sa ki vin parèt menm jan an. Nan twazyèm ane a, plante, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi yo. \v 31 Retay lakay Juda ki chape a va ankò \x + \xo 37:31 \xo*\xt És 27:6\xt*\x*pran rasin anba pou donnen fwi anlè. \v 32 Paske soti nan Jérusalem, va vin parèt yon retay e sòti nan Mòn Sion, kèk moun ki chape. \x + \xo 37:32 \xo*\xt II Wa 19:31\xt*\x*Zèl kouraj SENYÈ a va akonpli sa a.” \p \v 33 “Pou sa” pale SENYÈ a, pale konsènan wa Assyrie a konsa: “Li p ap rive nan vil sa a, ni tire yon flèch la. Li p ap parèt devan l ak boukliye, ni monte yon \x + \xo 37:33 \xo*\xt Jr 6:6\xt*\x*ran syèj kont li. \v 34 \x + \xo 37:34 \xo*\xt És 37:29\xt*\x*Pa menm chemen ke li te vini an, pa li menm li va retounen e li p ap rive sou vil sa a,’ deklare SENYÈ a. \v 35 ‘Paske Mwen va \x + \xo 37:35 \xo*\xt II Wa 20:6\xt*\x*defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’” \p \v 36 Epi \x + \xo 37:36 \xo*\xt II Wa 19:35\xt*\x*zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri. \v 37 Konsa, Sanchérib, wa Assyrie a te sòti, te retounen lakay li e te rete \x + \xo 37:37 \xo*\xt Jen 10:11\xt*\x*Ninive. \v 38 Li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc, dye pa li a, ke Adrammélec ak Scharetser, fis li yo, te touye li ak nepe e yo te chape antre nan peyi Ararat. Konsa, \x + \xo 37:38 \xo*\xt Éz 4:12\xt*\x*Ésar-Haddon, fis li a, te renye nan plas li. \c 38 \p \v 1 \x + \xo 38:1 \xo*\xt II Wa 20:1-11\xt*\x*Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’” \p \v 2 Ézéchias te vire figi li vè mi kay la pou te priye a SENYÈ a. \v 3 Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te \x + \xo 38:3 \xo*\xt II Wa 18:5-6\xt*\x*mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò. \p \v 4 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l: \v 5 “Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete \x + \xo 38:5 \xo*\xt II Wa 18:2-13\xt*\x*kenzan sou lavi ou. \v 6 Mwen va \x + \xo 38:6 \xo*\xt És 31:5\xt*\x*delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a, epi Mwen va defann vil sa a.”’ \v 7 Konsa, sa va \x + \xo 38:7 \xo*\xt Jij 6:17-40\xt*\x*sign pou ou soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay sa ke Li te pale a: \v 8 Gade byen, Mwen va \x + \xo 38:8 \xo*\xt II Wa 20:9-11\xt*\x*fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan. \p \v 9 Men yon chanson ke Ézéchias te ekri apre li te malad e te vin refè a: \q1 \v 10 Mwen te di: \x + \xo 38:10 \xo*\xt Sòm 102:24\xt*\x*“Nan mitan lavi m, \q1 mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo. \q1 Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.” \q1 \v 11 Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a; \q1 SENYÈ \x + \xo 38:11 \xo*\xt Sòm 27:13\xt*\x*nan peyi vivan yo. \q1 Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo. \q1 \v 12 Tankou \x + \xo 38:12 \xo*\xt II Kor 5:1-4\xt*\x*tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen. \q1 Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m. \q1 L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la. \q1 Soti lajounen rive nan lannwit, \q1 Ou va fè yon fen ak mwen. \q1 \v 13 Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten. \q1 \x + \xo 38:13 \xo*\xt Job 10:16\xt*\x*Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m, \q1 soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen. \q1 \v 14 Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye. \q1 Mwen plenyen kon yon toutrèl. \q1 Zye m gade ak feblès vè wotè yo. \q1 O Senyè, mwen oprime! \q1 Fè m sekou! \q1 \v 15 Kisa mwen kapab di? \q1 Non sèlman Li te pale ak mwen, \q1 Men Li, Li menm, te fè l. \q1 Mwen va \x + \xo 38:15 \xo*\xt I Wa 21:27\xt*\x*mache an règ pandan tout ane m yo \q1 akoz gou anmè kè m fin goute. \q1 \v 16 O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv, \q1 e nan sa yo, lespri m jwenn lavi. \q1 \x + \xo 38:16 \xo*\xt Sòm 119:25\xt*\x*Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv! \q1 \v 17 Alò, mwen te manke gen lapè; \q1 men Ou menm ki te \x + \xo 38:17 \xo*\xt Sòm 30:3\xt*\x*kenbe nanm mwen, \q1 pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, \q1 Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou. \q1 \v 18 Paske Sejou mò yo p ap ka remèsye Ou. \q1 Lanmò menm p ap ka bay Ou lwanj. \q1 Sila ki \x + \xo 38:18 \xo*\xt Nonb 16:33\xt*\x*desann nan fos yo \q1 p ap ka gen espwa fidelite Ou. \q1 \v 19 Se \x + \xo 38:19 \xo*\xt Sòm 118:17\xt*\x*vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman, \q1 tankou mwen menm, mwen fè jodi a. \q1 Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou. \q1 \v 20 Anverite, SENYÈ a va sove mwen. \q1 Konsa, nou va chante chanson mwen yo \q1 sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.” \p \v 21 Alò \x + \xo 38:21 \xo*\xt II Wa 20:7-8\xt*\x*Ésaïe te di: “Kite yo fè yon pomad ak gato fig etranje e mete li sou abse a, pou l ka geri.” \v 22 Epi Ézéchias te di: “Se kisa k ap \x + \xo 38:22 \xo*\xt És 38:7\xt*\x*sign ke mwen va monte lakay SENYÈ a?” \c 39 \p \v 1 \x + \xo 39:1 \xo*\xt II Wa 20:12-19\xt*\x*Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylon nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè. \v 2 Ézéchias te \x + \xo 39:2 \xo*\xt II Kwo 32:25-31\xt*\x*kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo. \p \v 3 Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?” \p Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon \x + \xo 39:3 \xo*\xt Det 28:49\xt*\x*peyi lwen, Babylone.” \p \v 4 Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?” \p Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.” \p \v 5 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande \x + \xo 39:5 \xo*\xt I Sam 13:13-14\xt*\x*pawòl SENYÈ dèzame yo, \v 6 ‘Gade byen, jou yo ap vini lè \x + \xo 39:6 \xo*\xt II Wa 24:13\xt*\x*tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a. \v 7 ‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va \x + \xo 39:7 \xo*\xt II Wa 24:10-16\xt*\x* pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’” \p \v 8 Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite \x + \xo 39:8 \xo*\xt II Kwo 34:28\xt*\x*nan jou mwen yo.” \c 40 \p \v 1 \x + \xo 40:1 \xo*\xt És 12:1\xt*\x*“Konsole, O konsole pèp Mwen an,” \q1 pale Bondye ou an. \q1 \v 2 “Pale ak dousè ak Jérusalem. \q1 Rele a li menm, ke \x + \xo 40:2 \xo*\xt És 41:11-13\xt*\x*konfli li fini an, \q1 ke inikite li retire a, \q1 ke li te resevwa nan men SENYÈ a \q1 doub pou tout peche li yo.” \b \q1 \v 3 Yon vwa k ap rele fò, \q1 “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! \q1 Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an. \q1 \v 4 Kite tout vale yo vin leve wo, \q1 e tout mòn ak kolin yo vin ba. \q1 Kite move teren an vin pla, \q1 e teren difisil yo vin yon vale ki swa. \q1 \v 5 \x + \xo 40:5 \xo*\xt És 6:3\xt*\x*Glwa a SENYÈ a va vin parèt, \q1 e tout chè va wè sa ansanm; \q1 paske bouch a SENYÈ a fin pale.” \b \q1 \v 6 Yon vwa pale: “Rele fò.” \q1 Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” \q1 \x + \xo 40:6 \xo*\xt Job 14:2\xt*\x* “Tout chè se zèb, \q1 e tout bèlte li se tankou flè nan chan. \q1 \v 7 \x + \xo 40:7 \xo*\xt Sòm 90:5-6\xt*\x*Zèb la fennen, \q1 flè a pèdi koulè l, \q1 depi souf SENYÈ a soufle sou li. \q1 Anverite, pèp la se zèb. \q1 \v 8 Zèb la fennen, \q1 flè a pèdi koulè l, \q1 men \x + \xo 40:8 \xo*\xt És 55:11\xt*\x*pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.” \b \q1 \v 9 Mete ou menm sou yon mòn ki wo, \q1 O Sion, ki pote bòn nouvèl. \q1 Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa, \q1 O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la! \q1 Leve wo! Pa pè anyen! \q1 Di a \x + \xo 40:9 \xo*\xt És 44:26\xt*\x*vil Juda yo: Men Bondye nou an! \q1 \v 10 Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini \x + \xo 40:10 \xo*\xt És 9:6-7\xt*\x*ak pwisans. \q1 Se bra L k ap kòmande pou Li. \q1 Gade byen salè Li avè L, \q1 e rekonpans li devan L. \q1 \v 11 Tankou yon bèje, Li va \x + \xo 40:11 \xo*\xt Jr 31:10\xt*\x*pran swen bann mouton Li. \q1 Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, \q1 e pote yo sou lestonmak Li. \q1 Ak dousè, Li va mennen manma a \q1 ak ti mouton piti yo. \b \q1 \v 12 Se kilès ki te \x + \xo 40:12 \xo*\xt Job 38:8-11\xt*\x*mezire dlo nan pla men L? \q1 Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; \q1 ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, \q1 ki te peze mòn yo nan gwo balans, \q1 e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a? \q1 \v 13 Se \x + \xo 40:13 \xo*\xt Wo 11:34\xt*\x*kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a, \q1 oswa kòn enstwi Li pou l konseye L? \q1 \v 14 Ak kilès Li te konsilte, \q1 e se kilès ki te \x + \xo 40:14 \xo*\xt Job 21:22\xt*\x*bay Li bon konprann? \q1 Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la, \q1 ki te enstwi Li nan konesans, \q1 e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann? \q1 \v 15 Gade byen, \x + \xo 40:15 \xo*\xt Jr 10:10\xt*\x*nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit; \q1 yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la. \q1 Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè. \q1 \v 16 Menm Liban pa kont pou brile, ni \x + \xo 40:16 \xo*\xt Sòm 50:9-11\xt*\x*bèt li yo \q1 pa kont pou fè ofrann brile. \q1 \v 17 \x + \xo 40:17 \xo*\xt És 29:7\xt*\x*Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L, \q1 Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite. \b \q1 \v 18 \x + \xo 40:18 \xo*\xt Egz 8:10\xt*\x* A kilès, alò, nou ta konpare Bondye? \q1 Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble? \q1 \v 19 Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l, \q1 ak òfèv ki \x + \xo 40:19 \xo*\xt És 2:20\xt*\x*kouvri l ak lò \q1 e fè chenn li an ajan, \q1 \v 20 Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a, \q1 pran yon pyebwa ki pa konn pouri; \q1 li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare \q1 yon zidòl ki \x + \xo 40:20 \xo*\xt I Sam 5:3-4\xt*\x*p ap deplase. \b \q1 \v 21 \x + \xo 40:21 \xo*\xt Sòm 19:1\xt*\x* Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande? \q1 Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman? \q1 Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo? \q1 \v 22 Se Li menm ki chita anwo \x + \xo 40:22 \xo*\xt Job 22:14\xt*\x*wonn tè a \q1 ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; \q1 ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido \q1 e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann. \q1 \v 23 Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen, \q1 ki \x + \xo 40:23 \xo*\xt És 5:21\xt*\x*fè jij latè yo vin san sans. \q1 \v 24 Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen, \q1 apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a, \q1 Li sèlman soufle sou yo, \q1 e yo fennen pou\x + \xo 40:24 \xo*\xt És 17:13\xt*\x*tanpèt la pote yo ale tankou pay. \b \q1 \v 25 “Alò, \x + \xo 40:25 \xo*\xt És 40:18\xt*\x*ak kilès ou va konpare Mwen, \q1 pou M ta kapab vin egal avè l?” \q1 pale Sila Ki Sen an. \q1 \v 26 \x + \xo 40:26 \xo*\xt És 51:6\xt*\x*Leve zye nou anlè, \q1 e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo; \q1 Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo. \q1 Li rele yo tout pa non yo. \q1 Akoz grandè a pwisans Li \q1 ak fòs pouvwa Li, \q1 nanpwen youn nan yo ki manke. \b \q1 \v 27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël: \q1 “Chemen Mwen an kache de SENYÈ a \q1 e \x + \xo 40:27 \xo*\xt Job 27:2\xt*\x*jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”? \q1 \v 28 Èske nou pa konnen? \q1 Èske nou pa tande? \q1 Ke \x + \xo 40:28 \xo*\xt Jen 21:33\xt*\x*Bondye Etènèl la, SENYÈ a, \q1 Kreyatè a dènye pwent latè a, \q1 pa konn fatige, ni bouke. \q1 Konprann pa Li depase tout bon konprann. \q1 \v 29 Li bay fòs a sila ki \x + \xo 40:29 \xo*\xt És 50:4\xt*\x*fatige yo, \q1 e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa. \q1 \v 30 Malgre moun \x + \xo 40:30 \xo*\xt Jr 6:11\xt*\x*jenn yo febli e vin bouke, \q1 e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe; \q1 \v 31 sila ki tann SENYÈ yo va \x + \xo 40:31 \xo*\xt Job 17:9\xt*\x*renouvle ak kouraj nèf; \q1 yo va monte anwo ak zèl kon èg. \q1 Yo va kouri, e yo p ap bouke; \q1 yo va mache, e yo p ap fatige. \c 41 \q1 \v 1 “Peyi kot lanmè yo, koute Mwen an silans \q1 e kite pèp yo renouvele fòs yo. \q1 Kite yo vin parèt pa devan, \q1 konsa, kite yo pale. \q1 Annou reyini ansanm pou fè jijman. \q1 \v 2 Kilès ki te fè leve yon k ap soti nan lès? \q1 Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati la? \q1 Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt; \q1 li fè yo tankou pousyè ak nepe li, \q1 tankou pay k ap chase pa van devan banza li. \q1 \v 3 Li kouri dèyè yo, e Li pase san danje, \q1 menm nan yon chemen kote li pa t konn pase ak pye li. \q1 \v 4 Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li; \q1 ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman? \q1 \x + \xo 41:4 \xo*\xt És 43:10\xt*\x*Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.” \b \q1 \v 5 Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent; \q1 \x + \xo 41:5 \xo*\xt Jos 5:1\xt*\x*dènye pwent latè yo tranble. \q1 Yo rapwoche; yo rive. \q1 \v 6 Chak moun ap ede vwazen li. \q1 Yo di a frè yo: “Pran kouraj!” \q1 \v 7 Konsa, \x + \xo 41:7 \xo*\xt És 44:12-13\xt*\x*bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la. \q1 Sila ki fè metal vin poli ak mato a \q1 ankouraje sila k ap bat fè a. \q1 Li di a sila k ap soude a: “Li bon”. \q1 Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li. \b \q1 \v 8 Men ou menm, O Israël, \x + \xo 41:8 \xo*\xt És 42:19\xt*\x*sèvitè Mwen an, \q1 Jacob ke M te chwazi a, \q1 desandan Abraham nan, zami Mwen an; \q1 \v 9 ou menm, ke M te \x + \xo 41:9 \xo*\xt És 11:11\xt*\x*pran soti nan tout ekstremite latè yo, \q1 e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou: \q1 ‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou \q1 e Mwen pa t rejte ou.’ \q1 \v 10 Pa \x + \xo 41:10 \xo*\xt Det 20:1\xt*\x*pè, paske Mwen avèk ou. \q1 Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. \q1 Mwen va fòtifye ou. \q1 Anverite Mwen va bay ou sekou. \q1 Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, \q1 men dwat Mwen. \q1 \v 11 Gade byen, \x + \xo 41:11 \xo*\xt És 45:24\xt*\x*tout sila ki fache ak ou yo \q1 va vin wont e dezonore. \q1 Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi \q1 se pa anyen e yo va peri. \q1 \v 12 \x + \xo 41:12 \xo*\xt Job 20:7-9\xt*\x*Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo, \q1 men ou p ap jwenn yo. \q1 Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi \q1 se pa anyen e yo p ap egziste ankò. \q1 \v 13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, \q1 ki soutni men dwat Ou, \q1 ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou. \q1 \v 14 “Pinga ou pè, ou menm, \x + \xo 41:14 \xo*\xt Job 25:6\xt*\x*vètè Jacob la, \q1 nou menm mesye Israël yo. \q1 Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a. \q1 “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la. \q1 \v 15 Gade byen, Mwen te fè ou vin yon zouti tounèf, \q1 byen file tou de bò, pou kraze vannen rekòlt la. \q1 \x + \xo 41:15 \xo*\xt Mi 4:13\xt*\x*Ou va vannen mòn yo, kraze yo fen, \q1 e fè kolin yo vin tankou pay. \q1 \v 16 Ou va \x + \xo 41:16 \xo*\xt Jr 51:2\xt*\x*vannen yo; \q1 van a va pote yo ale e tanpèt va gaye yo. \q1 Men ou va rejwi nan SENYÈ a; \q1 ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la. \b \q1 \v 17 Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; \q1 lang yo sèch ak swaf la. \q1 Mwen menm, SENYÈ a, \x + \xo 41:17 \xo*\xt És 30:19\xt*\x*va reponn yo. \q1 Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo. \q1 \v 18 Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo \q1 ak sous nan mitan vale yo. \q1 Mwen va fè \x + \xo 41:18 \xo*\xt Sòm 107:35\xt*\x*dezè a vin yon letan dlo, \q1 e tè sèch la yon fontèn dlo. \q1 \v 19 Mwen va plase pye sèd nan dezè a, \q1 pye akasya, ak pye jasmen ak pye doliv. \q1 Mwen va mete pye pichpen nan dezè a ansanm ak pye bwadòm; \q1 \v 20 pou yo ka wè, vin rekonèt, \q1 reflechi e ranmase bon konprann ansanm, \q1 ke \x + \xo 41:20 \xo*\xt Job 12:9\xt*\x*men SENYÈ a te fè sa, \q1 ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a. \b \q1 \v 21 “Prezante ka nou yo”, pale SENYÈ a. \q1 “Pote gwo diskou nou yo”, pale Wa a Jacob la. \q1 \v 22 Mennen fè yo vin parèt \q1 e deklare a nou menm sa ki va rive! \q1 Epi pou \x + \xo 41:22 \xo*\xt És 43:9\xt*\x*evenman lontan yo, deklare kisa \q1 yo te ye, pou nou ka konsidere yo, \q1 e konnen kijan y ap sòti. \q1 Oswa, anonse a nou menm sa k ap vini an. \q1 \v 23 Deklare bagay ki va vin rive apre yo, \q1 pou nou ka konnen ke se dye nou ye. \q1 Anverite, \x + \xo 41:23 \xo*\xt Jr 10:5\xt*\x*fè byen, oswa fè mal, pou nou ka \q1 gade toupatou ansanm ak kè twouble. \q1 \v 24 Gade byen, nou pou ryen e zèv nou yo pa pou anyen. \q1 Sila ki pito nou an se yon abominnasyon. \b \q1 \v 25 Mwen te fè leve \x + \xo 41:25 \xo*\xt És 41:2\xt*\x*yon moun soti nan nò e li vin parèt; \q1 depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen; \q1 li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye, \q1 tankou bòs kanari mache sou ajil. \q1 \v 26 Se kilès ki te \x + \xo 41:26 \xo*\xt És 41:22\xt*\x*deklare sa depi nan kòmansman an, \q1 pou nou ta ka konnen? \q1 Oswa depi tan ansyen yo, pou nou ta kapab di: “Li se vrè”? \q1 San dout, pa t gen moun ki te deklare sa; \q1 san dout, pa t gen moun ki te pwoklame sa; \q1 san dout, pa t gen moun ki te tande pawòl sila yo. \q1 \v 27 Mwen se premye pou di a Sion: \q1 ‘Men vwala, men yo la;’ \q1 epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon \x + \xo 41:27 \xo*\xt És 40:9\xt*\x*mesaje bòn nouvèl’. \q1 \v 28 Men \x + \xo 41:28 \xo*\xt És 50:2\xt*\x*lè M gade, nanpwen pèsòn e pa gen konseye pami yo, \q1 ki, si M te mande, ta kapab bay yon repons. \q1 \v 29 Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè. \q1 Imaj fonn yo se \x + \xo 41:29 \xo*\xt Jr 5:13\xt*\x*van ak konfizyon. \c 42 \q1 \v 1 “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; \q1 \x + \xo 42:1 \xo*\xt Luc 9:35\xt*\x*sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. \q1 Mwen te mete Lespri M sou Li. \q1 Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo. \q1 \v 2 Li p ap kriye menm, \q1 ni leve vwa l, \q1 ni fè vwa l tande nan lari. \q1 \v 3 Yon wozo ki brize, Li p ap kase, \q1 e yon fisèl bouji ki brile fèb, \q1 Li p ap etenn. \q1 Ak fidelite, Li va mennen \x + \xo 42:3 \xo*\xt Sòm 72:2-4\xt*\x*lajistis \q1 e fè l vin parèt. \q1 \v 4 Li p ap \x + \xo 42:4 \xo*\xt És 40:28\xt*\x*dekouraje oswa vin kraze \q1 jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè, \q1 epi peyi kot yo va tann lalwa Li.” \b \q1 \v 5 Konsa pale Bondye SENYÈ a \q1 ki te \x + \xo 42:5 \xo*\xt Sòm 102:25-26\xt*\x*kreye syèl yo e ki tann yo, \q1 ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann, \q1 ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li, \q1 e lespri lavi a tout moun ki mache ladann, \q1 \v 6 Mwen menm se SENYÈ a. \q1 Mwen te \x + \xo 42:6 \xo*\xt És 41:2\xt*\x*rele Ou nan ladwati. \q1 Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men. \q1 Mwen va pran swen Ou. \q1 Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la, \q1 kon yon limyè pou nasyon yo, \q1 \v 7 pou \x + \xo 42:7 \xo*\xt És 29:18\xt*\x*ouvri zye avèg yo, \q1 pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a, \q1 e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an. \b \q1 \v 8 “Mwen se SENYÈ a. \q1 Sa se non Mwen. \q1 Mwen p ap bay \x + \xo 42:8 \xo*\xt Egz 20:3-5\xt*\x*glwa Mwen a yon lòt, \q1 ni lwanj Mwen a imaj taye. \q1 \v 9 Gade byen, \x + \xo 42:9 \xo*\xt És 48:3\xt*\x* ansyen bagay yo te fin akonpli; \q1 koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo. \q1 Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.” \b \q1 \v 10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, \q1 lwanj Li jis rive nan \x + \xo 42:10 \xo*\xt És 49:6\xt*\x* dènye pwent latè! \q1 Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, \q1 nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo. \q1 \v 11 Kite \x + \xo 42:11 \xo*\xt És 32:16\xt*\x*dezè a ak vil li yo leve vwa yo; \q1 anplasman kote Kédar rete a. \q1 Kite sila ki rete nan Sela la chante anlè; \q1 kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo. \q1 \v 12 Kite yo \x + \xo 42:12 \xo*\xt És 24:15\xt*\x*bay glwa a SENYÈ a \q1 e deklare lwanj Li nan peyi kot yo. \q1 \v 13 \x + \xo 42:13 \xo*\xt Egz 15:3\xt*\x*SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, \q1 li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. \q1 Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. \q1 Li va enpoze Li sou lènmi Li yo. \b \q1 \v 14 \x + \xo 42:14 \xo*\xt Sòm 50:21\xt*\x*Mwen te rete an silans depi lontan sa. \q1 Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen. \q1 Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen. \q1 Mwen va rale gwo souf e respire fò. \q1 \v 15 Mwen va \x + \xo 42:15 \xo*\xt És 2:12-16\xt*\x*ravaje tout mòn yo ak kolin yo, \q1 e zèb ak raje yo va vin fennen nèt. \q1 Mwen va fè rivyè lafen lil yo, e seche letan. \q1 \v 16 Mwen va \x + \xo 42:16 \xo*\xt És 29:18\xt*\x*mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, \q1 nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. \q1 Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo \q1 e move kote yo va vin plat. \q1 Se bagay sa yo Mwen va fè \q1 e Mwen p ap kite yo pa fèt. \b \q1 \v 17 “Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo \q1 e ki di a imaj fonn yo: \q1 ‘Se nou menm ki dye pa nou’, \q1 va voye tounen pa dèyè e va \x + \xo 42:17 \xo*\xt Sòm 97:7\xt*\x*vin wont nèt. \b \q1 \v 18 \x + \xo 42:18 \xo*\xt És 29:18\xt*\x*“Tande, nou menm ki soud! \q1 Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè. \q1 \v 19 Se kilès ki avèg sof ke \x + \xo 42:19 \xo*\xt És 41:8\xt*\x*sèvitè Mwen an, \q1 oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a? \q1 Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M, \q1 oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a? \q1 \v 20 \x + \xo 42:20 \xo*\xt Wo 2:21\xt*\x*Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo; \q1 zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande. \q1 \v 21 SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li; \q1 pou fè lalwa a \x + \xo 42:21 \xo*\xt És 42:4\xt*\x*gran e plen respe. \q1 \v 22 Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje. \q1 Yo tout \x + \xo 42:22 \xo*\xt És 24:18\xt*\x*kole nan kav yo oswa \q1 kache nan prizon yo. \q1 Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo; \q1 yon piyaj san okenn moun ki pou di: \q1 “Restore yo!” \b \q1 \v 23 Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a? \q1 Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a? \q1 \v 24 Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye \q1 e Israël a piyajè yo? \q1 Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a? \q1 Paske yo te refize mache nan chemen Li yo; \q1 ni yo pa t swiv lalwa Li. \q1 \v 25 Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li \q1 ak \x + \xo 42:25 \xo*\xt És 5:25\xt*\x*fòs kouraj batay la. \q1 Sa te fè l pran flanm toupatou, \q1 men li pa t rekonèt sa a. \q1 Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.” \c 43 \q1 \v 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, \x + \xo 43:1 \xo*\xt És 43:15\xt*\x*Kreyatè ou a, O Jacob, \q1 e Sila ki te fòme ou a, O Israël: \q1 “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. \q1 Mwen te rele ou pa non ou. \q1 Se pa M ou ye! \q1 \v 2 Lè w ap \x + \xo 43:2 \xo*\xt Sòm 66:12\xt*\x*pase nan gwo dlo yo, \q1 Mwen va la avèk ou; \q1 epi nan rivyè yo, \q1 yo p ap debòde sou ou. \q1 Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, \q1 ni flanm nan p ap brile ou. \q1 \v 3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, \q1 Sila Ki Sen en Israël la, \x + \xo 43:3 \xo*\xt És 19:20\xt*\x*Sovè ou a. \q1 Mwen te bay Égypte kon ranson ou \q1 Cush ak Saba nan plas ou. \q1 \v 4 Akoz ou \x + \xo 43:4 \xo*\xt Egz 19:5-6\xt*\x*presye nan zye M, \q1 akoz ou gen gran valè \q1 e Mwen renmen ou, \q1 Mwen va bay lòt moun nan plas ou \q1 e lòt pèp an echanj pou lavi ou. \q1 \v 5 Pa pè, paske \x + \xo 43:5 \xo*\xt És 8:10\xt*\x*Mwen avèk ou; \q1 Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès \q1 e ranmase ou nan lwès. \q1 \v 6 Mwen va di a \x + \xo 43:6 \xo*\xt És 8:10\xt*\x*nò: ‘Lage yo!’ \q1 Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ \q1 Mennen fis Mwen yo soti lwen \q1 e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo— \q1 \v 7 tout moun ki rele pa non Mwen \q1 e ke Mwen te \x + \xo 43:7 \xo*\xt Sòm 100:3\xt*\x*kreye pou glwa Mwen, \q1 ke M te fòme, menm sa ke m te fè.” \b \q1 \v 8 Mennen fè parèt pèp ki \x + \xo 43:8 \xo*\xt És 6:9\xt*\x*avèg la, malgre yo gen zye \q1 e soud la, malgre yo gen zòrèy. \q1 \v 9 Kite tout nasyon yo \x + \xo 43:9 \xo*\xt És 34:1\xt*\x*reyini ansanm \q1 e tout pèp yo rasanble. \q1 Kilès pami yo ki kapab deklare sa \q1 e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo? \q1 Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye, \q1 oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”. \b \q1 \v 10 “Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, \q1 “Ak sèvitè ke M te chwazi; \q1 pou nou ka konnen, kwè nan Mwen \q1 e konprann ke \x + \xo 43:10 \xo*\xt És 41:4\xt*\x*Mwen se Li menm nan. \q1 Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme \q1 e apre Mwen, p ap gen menm. \q1 \v 11 Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen \x + \xo 43:11 \xo*\xt És 43:3\xt*\x*sovè \q1 apa de Mwen menm. \q1 \v 12 Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame \q1 e pat genyen \x + \xo 43:12 \xo*\xt Det 32:16\xt*\x*dye etranje pami nou. \q1 Konsa, nou se temwen M”, \q1 deklare SENYÈ a: \q1 “Epi Mwen se Bondye. \q1 \v 13 Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm \q1 e \x + \xo 43:13 \xo*\xt Sòm 50:22\xt*\x*pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M; \q1 Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?” \p \v 14 Konsa pale SENYÈ a, \x + \xo 43:14 \xo*\xt És 41:14\xt*\x*Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo. \v 15 Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, \x + \xo 43:15 \xo*\xt És 43:1\xt*\x*Kreyatè Israël la, Wa nou an.” \p \v 16 Konsa pale SENYÈ a, ki \x + \xo 43:16 \xo*\xt Egz 14:21-22\xt*\x*fè yon wout sou lanmè a, \q1 e yon chemen nan dlo pwisan yo, \q1 \v 17 Ki mennen fè parèt \x + \xo 43:17 \xo*\xt Egz 15:19\xt*\x*cha avèk cheval la, \q1 lame ak mesye pwisan a \q1 (Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò; \q1 yo te etenn tankou yon fisèl bouji): \q1 \v 18 Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou, \q1 ni reflechi sou bagay ki fin pase. \q1 \v 19 Gade byen, Mwen va fè yon bagay \x + \xo 43:19 \xo*\xt És 42:9\xt*\x*tounèf; \q1 koulye a, li va pete vin parèt. \q1 Èske nou p ap rekonèt li? \q1 Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, \q1 ak rivyè yo nan dezè a. \q1 \v 20 Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, \q1 chen mawon nan chan yo ak otrich yo, \q1 akoz Mwen te \x + \xo 43:20 \xo*\xt És 41:17-18\xt*\x*bay dlo nan savann nan \q1 e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè. \q1 \v 21 \x + \xo 43:21 \xo*\xt És 43:1\xt*\x*Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen. \b \q1 \v 22 Men ou pa t rele Mwen, O Jacob; \q1 men ou te\x + \xo 43:22 \xo*\xt Mi 6:3\xt*\x*vin fatige ak Mwen, O Israël. \q1 \v 23 Ou \x + \xo 43:23 \xo*\xt Am 5:25\xt*\x*pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, \q1 ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, \q1 ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. \q1 Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, \q1 ni fè ou fatige ak lansan. \q1 \v 24 Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan, \q1 ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo. \q1 Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo. \q1 Ou te \x + \xo 43:24 \xo*\xt Sòm 95:10\xt*\x*fatige M ak inikite ou yo. \b \q1 \v 25 Mwen menm, Mwen se Sila ki \x + \xo 43:25 \xo*\xt És 44:22\xt*\x*efase transgresyon ou yo, \q1 pou koz Mwen; \q1 e Mwen p ap sonje peche ou yo. \q1 \v 26 Mete M nan memwa ou. \q1 \x + \xo 43:26 \xo*\xt És 1:18\xt*\x*Annou diskite ka nou ansanm. \q1 Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou. \q1 \v 27 \x + \xo 43:27 \xo*\xt És 51:2\xt*\x*Premye zansèt ou yo te peche, \q1 e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen. \q1 \v 28 Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp; \q1 Mwen va fè Jacob yon malediksyon, \q1 e Israël kon yon \x + \xo 43:28 \xo*\xt Sòm 79:4\xt*\x*repwòch. \c 44 \p \v 1 “Men koulye a, koute, O Jacob, \x + \xo 44:1 \xo*\xt És 41:8\xt*\x*sèvitè Mwen an; \q1 Israël ke M te chwazi a. \q1 \v 2 Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a, \q1 ki te fòme ou soti nan vant lan, \q1 ki va bay ou soutyen, \q1 kap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an; \q1 ak ou menm \x + \xo 44:2 \xo*\xt Det 32:15\xt*\x*Israël ke M te chwazi a. \q1 \v 3 Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf \q1 e vwa dlo sou tè ki sèch. \q1 Mwen va \x + \xo 44:3 \xo*\xt És 32:15\xt*\x*vide Lespri M sou ras ou \q1 e benediksyon sou desandan ou yo; \q1 \v 4 konsa, yo va vin vòltije pami zèb \q1 kon \x + \xo 44:4 \xo*\xt Lev 23:40\xt*\x*bwa akote sous dlo.’ \q1 \v 5 Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’ \q1 epi lòt la va rele sou non Jacob; \q1 epi yon lòt va \x + \xo 44:5 \xo*\xt Egz 13:9\xt*\x*ekri sou men l: \q1 ‘Apatyen a SENYÈ a’, \q1 epi va nonmen non Israël ak respè. \b \q1 \v 6 Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, \q1 ak \x + \xo 44:6 \xo*\xt És 41:14\xt*\x*Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: \q1 Mwen se premye a e Mwen se dènye a; \q1 nanpwen Bondye sof ke Mwen menm. \q1 \v 7 Se kilès ki tankou Mwen? \x + \xo 44:7 \xo*\xt És 41:22-26\xt*\x*Kite li pwoklame e deklare sa; \q1 Wi, kite li pale M sa an lòd. \q1 Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon a. \q1 Epi kite yo deklare a yo menm bagay \q1 k ap vini yo ak evenman ki va rive yo. \q1 \v 8 Pa tranble, pa pè. \q1 Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm \q1 e te demontre nou sa? \q1 Konsa, nou se temwen M. \q1 Èske gen okenn Bondye \x + \xo 44:8 \xo*\xt Det 4:35-39\xt*\x*sof ke Mwen menm? \q1 Anverite, nanpwen! \q1 Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.” \b \q1 \v 9 Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen. \q1 Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis. \q1 Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen. \q1 Yo pa ka menm \x + \xo 44:9 \xo*\xt Sòm 97:7\xt*\x*vin wont. \q1 \v 10 Se kilès ki te fòme yon dye, \q1 oswa te fè yon zidòl fonn ki \x + \xo 44:10 \xo*\xt És 41:29\xt*\x*san benefis? \q1 \v 11 Gade byen, tout zami l yo va \x + \xo 44:11 \xo*\xt Sòm 97:7\xt*\x*vin wont, \q1 paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm. \q1 Kite yo rasanble yo menm, \q1 kite yo kanpe, \q1 kite yo tranble, \q1 kite yo tout ansanm vin wont. \b \q1 \v 12 \x + \xo 44:12 \xo*\xt És 40:19-20\xt*\x*Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe. \q1 Yon travay ki fèt sou chabon limen. \q1 Li fòme li ak mato, \q1 e travay li ak bra li ki fò. \q1 Anplis, li vin grangou e pèdi fòs; \q1 li pa bwè dlo e li vin fatige. \q1 \v 13 \x + \xo 44:13 \xo*\xt És 41:7\xt*\x*Yon lòt taye bwa, li mezire li ak mèt mezi; \q1 li trase sou li ak lakrè wouj. \q1 Li travay li ak rif la, trase l ak konpa \q1 e fè li sanble ak fòm a yon moun, \q1 tankou bèlte a lòm, \q1 pou l ka plase li anndan yon kay. \q1 \v 14 Anverite, li koupe bwa sèd yo pou kont li, \q1 pran yon bwa pichpen oswa yon bwadchenn \q1 e leve li pou kont li pami bwa forè yo. \q1 Li plante yon bwa pen e lapli fè l grandi. \q1 \v 15 Epi li devni yon bagay pou moun ka brile. \q1 Li pran kèk nan li pou l ka chofe \q1 e anplis, fè dife pou kwit pen. Anplis li fè yon dye epi l adore l. \q1 Li fè li yon imaj taye e li \x + \xo 44:15 \xo*\xt II Kwo 25:14\xt*\x*tonbe ba devan l. \q1 \v 16 Mwatye li, li brile nan dife; \q1 sou mwatye sa a, li manje vyann \q1 pandan li kwit yon gwo mòs e li satisfè. \q1 Anplis, li chofè kò l epi di: “Aha, koulye a mwen fin chofe ase; mwen te wè dife a.” \q1 \v 17 Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li. \q1 Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis, \q1 li \x + \xo 44:17 \xo*\xt I Wa 18:26-28\xt*\x*priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.” \b \q1 \v 18 Yo pa konnen, ni yo pa konprann, \q1 paske Li te \x + \xo 44:18 \xo*\xt Sòm 81:12\xt*\x*fèmen zye yo pou yo pa wè \q1 e kè yo pou yo pa konprann. \q1 \v 19 Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans \q1 ni konprann pou l ta di: \q1 “Mwen te brile mwatye li nan dife a \q1 e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li. \q1 Mwen boukannen vyann, e mwen manje li. \q1 Èske m ap fè rès la vin yon \x + \xo 44:19 \xo*\xt Det 27:15\xt*\x*abominasyon? \q1 Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!” \q1 \v 20 La p manje sou sann yo. \q1 Yon \x + \xo 44:20 \xo*\xt Job 15:31\xt*\x*kè ki twonpe te mennen l sou kote. \q1 Li p ap kapab delivre nanm li menm. \q1 Ni li pa mande: \q1 “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?” \b \q1 \v 21 \x + \xo 44:21 \xo*\xt És 46:8\xt*\x*“Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël, \q1 paske ou se sèvitè Mwen, O Israël. \q1 Mwen p ap janm bliye ou. \q1 \v 22 Mwen te \x + \xo 44:22 \xo*\xt Sòm 51:1-9\xt*\x*efase transgresyon ou yo \q1 tankou yon nwaj byen pwès, \q1 ak peche ou yo tankou yon nwaj. \q1 Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.” \b \q1 \v 23 Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! \q1 Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! \q1 Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, \q1 O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; \q1 paske \x + \xo 44:23 \xo*\xt És 43:1\xt*\x*SENYÈ a te rachte Jacob, \q1 e an Israël, \q1 Li va devwale glwa Li. \b \q1 \v 24 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a \q1 e sila ki te fè ou soti nan vant la: \q1 “Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay, \q1 Mwen te \x + \xo 44:24 \xo*\xt És 40:22\xt*\x*lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen, \q1 e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen; \q1 \v 25 \x + \xo 44:25 \xo*\xt És 47:13\xt*\x*ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; \q1 ki te devwale divinò yo tankou moun fou, \q1 ki te fè mesye saj yo rale fè bak, \q1 pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli; \q1 \v 26 ki te \x + \xo 44:26 \xo*\xt Za 1:6\xt*\x*konfime pawòl a sèvitè Li a \q1 e te acheve bi a mesaje Li yo. \q1 Se Mwen menm ki di de Jérusalem: \q1 Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo: \q1 ‘Yo va bati.’ \q1 Konsa, Mwen va fè leve mazi li yo ankò. \q1 \v 27 Se Mwen menm ki pale a fon lanmè a: ‘Vin sèch,’ \q1 e Mwen va fè rivyè ou yo \x + \xo 44:27 \xo*\xt És 42:15\xt*\x*vin sèk. \q1 \v 28 Se Mwen menm ki di de Cyrus: \q1 ‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’ \q1 Li va deklare a Jérusalem:\x + \xo 44:28 \xo*\xt II Kwo 36:22-23\xt*\x* ‘Li va bati,’ \q1 e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’” \c 45 \p \v 1 Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa \x + \xo 45:1 \xo*\xt Sòm 73:23\xt*\x*men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen: \q1 \v 2 “Mwen va ale devan ou \q1 pou \x + \xo 45:2 \xo*\xt Sòm 107:6\xt*\x*fè move kote yo vin swa. \q1 Mwen va kraze pòt an bwonz yo \q1 e fin koupe nèt ba an fè li yo. \q1 \v 3 Mwen va bay ou \x + \xo 45:3 \xo*\xt Jr 41:8\xt*\x*trezò lannwit yo \q1 ak richès k ap kache kote sekrè yo, \q1 pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, \q1 Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou. \q1 \v 4 Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël, \q1 sila ke M te chwazi a, \q1 Mwen te, anplis, rele ou pa non ou. \q1 Mwen te bay ou yon tit k ap respekte, \q1 malgre ou \x + \xo 45:4 \xo*\xt Trav 17:23\xt*\x*pa t rekonèt Mwen. \q1 \v 5 Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. \q1 Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. \q1 Mwen va \x + \xo 45:5 \xo*\xt Sòm 18:39\xt*\x*fòtifye ou, \q1 malgre ou pa t rekonèt Mwen; \q1 \v 6 ke \x + \xo 45:6 \xo*\xt Sòm 102:15\xt*\x*lèzòm ka konnen depi solèy leve \q1 jiskaske solèy kouche, \q1 ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm. \q1 Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt; \q1 \v 7 Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a, \q1 ki fè bonè e ki \x + \xo 45:7 \xo*\xt És 31:2\xt*\x*kreye malè. \q1 Mwen se SENYÈ a, \q1 ki fè tout sila yo. \b \q1 \v 8 Degoute depi anwo, O syèl yo, \q1 e kite nwaj yo vide fè ladwati desann. \q1 Kite \x + \xo 45:8 \xo*\xt Sòm 85:11\xt*\x*latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi, \q1 pou fè ladwati vòltije monte avè l. \q1 Mwen, SENYÈ a te kreye l. \q1 \v 9 Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— \q1 yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! \q1 Èske \x + \xo 45:9 \xo*\xt És 29:16\xt*\x*ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ \q1 Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’? \q1 \v 10 Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’ \q1 Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’” \b \q1 \v 11 Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël \q1 ak Kreyatè li a: \q1 \x + \xo 45:11 \xo*\xt Jr 31:9\xt*\x*“Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo \q1 e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo! \q1 \v 12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li. \q1 Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M \q1 e mete tout \x + \xo 45:12 \xo*\xt Jen 2:1\xt*\x*lame selès pa yo an lòd. \q1 \v 13 Mwen te fè leve nan li \x + \xo 45:13 \xo*\xt És 41:2\xt*\x*ladwati \q1 e Mwen va fè wout li yo swa. \q1 Li va bati vil Mwen, \q1 e va kite egzile Mwen yo vin libere, \q1 pa pou pèyman oswa rekonpans,” \q1 pale SENYÈ dèzame yo. \b \q1 \v 14 Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo \q1 ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo, \q1 mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou. \q1 Yo va pou ou. \q1 Yo va mache dèyè w. \q1 Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou; \q1 yo va fè siplikasyon a ou menm. \q1 ‘Anverite \x + \xo 45:14 \xo*\xt Jr 16:19\xt*\x*Bondye pami nou; e pa gen lòt. \q1 Nanpwen lòt Bondye’” \q1 \v 15 Anverite, Ou se yon Dye ki \x + \xo 45:15 \xo*\xt Sòm 44:24\xt*\x*kache tèt Li, \q1 O Bondye Israël la, Sovè a! \q1 \v 16 Yo va \x + \xo 45:16 \xo*\xt És 42:17\xt*\x*desi, imilye menm, yo tout. \q1 Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont. \q1 \v 17 Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan. \q1 Ou \x + \xo 45:17 \xo*\xt És 49:23\xt*\x*p ap vin wont, ni imilye jiska letènite. \b \q1 \v 18 Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a, \q1 Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la; \q1 Ki te etabli li, e Li pa t kreye li \x + \xo 45:18 \xo*\xt Jen 1:2\xt*\x*vid, \q1 men te fòme l pou moun ka viv ladann di: \q1 “Mwen se SENYÈ a. \q1 Nanpwen lòt. \q1 \v 19 Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa. \q1 Mwen pa t di a desandan Jacob yo, \q1 ‘Chache M anven.’ \q1 Mwen, SENYÈ a, \x + \xo 45:19 \xo*\xt Sòm 19:8\xt*\x*pale ladwati. \q1 Mwen deklare sa ki dwat.” \b \q1 \v 20 \x + \xo 45:20 \xo*\xt És 43:9\xt*\x*“Rasanble nou e vini. \q1 Rapwoche nou ansanm, nou menm, \q1 refijye a nasyon yo. \q1 Lòt yo pa gen konesans; \q1 sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou, \q1 e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo. \q1 \v 21 Deklare e prezante ka nou an. \q1 Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm. \q1 Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo, \q1 ki te deklare sa depi lontan? \q1 Èske se pa Mwen, SENYÈ a? \q1 Epi \x + \xo 45:21 \xo*\xt És 45:5\xt*\x*nanpwen lòt Dye sof ke Mwen, \q1 yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen. \b \q1 \v 22 \x + \xo 45:22 \xo*\xt Nonb 21:8-9\xt*\x*“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; \q1 paske Mwen se Bondye e pa gen lòt. \q1 \v 23 Mwen te sèmante pa Mwen menm, \q1 pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati \q1 e li p ap vire fè bak; \q1 ke a Mwen menm, \x + \xo 45:23 \xo*\xt Wo 14:11\xt*\x*tout jenou va koube \q1 e tout lang va sèmante fidelite. \q1 \v 24 Yo va di de Mwen: \q1 ‘Se sèlman \x + \xo 45:24 \xo*\xt Jr 33:16\xt*\x*nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” \q1 Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te \q1 fè laràj kont Li va vin wont nèt. \q1 \v 25 Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin \x + \xo 45:25 \xo*\xt I Wa 8:32\xt*\x*jistifye \q1 e va rejwi! \c 46 \p \v 1 \x + \xo 46:1 \xo*\xt És 2:18\xt*\x*Bel vin pwostène, \q1 Nebo koube nèt. \q1 Imaj pa yo kon pote sou bèt; \q1 menm sou tout kalite bèt domestik. \q1 Bagay ke nou pote yo se chaj lou; \q1 yon fado ki pèze sa yo ki fatige. \q1 \v 2 Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm. \q1 Yo pa t ka delivre chaj lou a, \q1 men yo menm \x + \xo 46:2 \xo*\xt Jij 18:17-24\xt*\x*vin prizonye yo. \b \q1 \v 3 Koute Mwen, O lakay Jacob \q1 ak tout retay lakay Israël la; \q1 nou menm ki te \x + \xo 46:3 \xo*\xt Sòm 71:6\xt*\x*pote menm depi nan nesans, \q1 ki te pote depi nan vant. \q1 \v 4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li, \q1 e menm lè \x + \xo 46:4 \xo*\xt Sòm 71:18\xt*\x*cheve nou blanch, Mwen va pote nou. \q1 Mwen te fè, e Mwen va pote. \q1 Mwen va pote, e Mwen va delivre. \b \q1 \v 5 \x + \xo 46:5 \xo*\xt És 40:18-25\xt*\x*A kilès nou ta fè Mwen sanble, \q1 fè Mwen vin egal e konpare Mwen, \q1 konsi nou te menm bagay? \q1 \v 6 Kèk kon \x + \xo 46:6 \xo*\xt És 40:19\xt*\x*vide lò ki sòti nan bous, \q1 oswa peze ajan sou balans. \q1 Anplwaye yon òfèv, \q1 e l ap fè l vin tounen yon dye. \q1 Yo pwostène— \q1 e anverite, yo adore l. \q1 \v 7 Yo fè l monte sou zepòl pou pote l; \q1 yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la. \q1 Li p ap ka deplase nan plas li. \q1 Malgre yon moun ta kriye anvè li, \x + \xo 46:7 \xo*\xt És 41:28\xt*\x*li p ap ka reponn; \q1 li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an. \b \q1 \v 8 Sonje sa e kanpe fèm kon gason; \q1 \x + \xo 46:8 \xo*\xt És 44:19\xt*\x*kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo. \q1 \v 9 Sonje \x + \xo 46:9 \xo*\xt Det 32:7\xt*\x*ansyen bagay ki pase lontan yo, \q1 paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt. \q1 Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen, \q1 \v 10 ki deklare lafen depi nan kòmansman \q1 e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. \q1 Mwen ki di w: \x + \xo 46:10 \xo*\xt Sòm 33:11\xt*\x*“Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.” \q1 \v 11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès, \q1 yon nonm volonte Mwen an, \q1 k ap soti nan yon peyi lwen. \q1 Anverite, Mwen te \x + \xo 46:11 \xo*\xt Nonb 23:19\xt*\x*pale. \q1 Anverite, Mwen va fè sa rive. \q1 Mwen ki te fè plan an; \q1 Mwen k ap fè l rive. \b \q1 \v 12 Koute Mwen, nou menm, moun \x + \xo 46:12 \xo*\xt Sòm 76:5\xt*\x*tèt di, \q1 ki lwen ladwati yo! \q1 \v 13 Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre. \q1 Li pa lwen, \q1 epi sali Mwen p ap fè reta. \q1 Mwen va bay \x + \xo 46:13 \xo*\xt És 61:3\xt*\x*sali nan Sion \q1 e glwa Mwen a Israël. \c 47 \p \v 1 “Vin desann chita nan pousyè a, O \x + \xo 47:1 \xo*\xt Sòm 137:8\xt*\x*fi vyèj Babylone nan; \q1 Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo! \q1 Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm. \q1 \v 2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin. \q1 Retire \x + \xo 47:2 \xo*\xt Jen 24:65\xt*\x*vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. \q1 Travèse rivyè yo. \q1 \v 3 Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt. \q1 Mwen va \x + \xo 47:3 \xo*\xt És 34:8\xt*\x*pran vanjans \q1 e Mwen p ap bliye pèsòn.” \b \q1 \v 4 \x + \xo 47:4 \xo*\xt És 41:14\xt*\x*Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li, \q1 Sila Ki Sen an Israël la. \q1 \v 5 \x + \xo 47:5 \xo*\xt És 23:2\xt*\x*Chita an silans e antre nan fènwa a, \q1 O fi a Kaldeyen yo, \q1 paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo. \q1 \v 6 Mwen te fache ak pèp Mwen an; \q1 Mwen te pwofane eritaj Mwen an, \q1 e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. \q1 Ou pa t montre yo gras, \q1 men menm ak \x + \xo 47:6 \xo*\xt Det 28:50\xt*\x*granmoun nan vyeyès yo, \q1 ou te fè jouk ou byen lou. \q1 \v 7 Malgre, ou te di: ‘Se \x + \xo 47:7 \xo*\xt És 47:5\xt*\x*rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ \q1 Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive. \b \q1 \v 8 “Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo, \q1 ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou: \q1 ‘Se mwen menm e nanpwen lòt. \q1 Mwen p ap janm \x + \xo 47:8 \xo*\xt Rev 18:7\xt*\x*chita tankou yon vèv, \q1 ni konnen pèt timoun.’ \q1 \v 9 Men de bagay sa yo va rive sou nou \x + \xo 47:9 \xo*\xt Sòm 73:19\xt*\x*sibitman \q1 nan yon jou: \q1 pèt a pitit ak afè vin vèv la. \q1 Yo va rive an mezi plen nèt; \q1 malgre tout maji nou ak gwo pouvwa \q1 wanga nou konn fè yo. \q1 \v 10 Ou te santi ou te \x + \xo 47:10 \xo*\xt Sòm 52:7\xt*\x*byen pwoteje nan mechanste ou \q1 e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’. \q1 Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou; \q1 paske nan kè ou, ou te di: \q1 ‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’. \q1 \v 11 Men \x + \xo 47:11 \xo*\xt És 57:1\xt*\x*malè va vini sou ou ke ou p ap gen \q1 maji pou detounen. \q1 Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. \q1 Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk \q1 va rive sou ou sibitman. \b \q1 \v 12 Kanpe fèm nan tout \x + \xo 47:12 \xo*\xt És 47:9\xt*\x*maji ak wanga \q1 ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo. \q1 Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble. \q1 \v 13 Ou vin \x + \xo 47:13 \xo*\xt Jr 51:58-64\xt*\x*fatige ak tout konsèyè yo. \q1 Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, \q1 k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, \q1 vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo. \q1 \v 14 Gade byen, yo \x + \xo 47:14 \xo*\xt És 5:24\xt*\x*tankou pay. \q1 Dife ap brile yo. \q1 Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo. \q1 P ap gen chabon ki pou chofe kò yo, \q1 ni flanm dife pou yo chita devan l! \q1 \v 15 Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen: \q1 Tout sa yo ki \x + \xo 47:15 \xo*\xt Rev 18:11\xt*\x*fè komès ak ou depi nan jenès ou yo \q1 va mache egare nan chemen pa yo; \q1 nanpwen moun ki pou ta sove ou. \c 48 \p \v 1 “Tande sa, O lakay Jacob, \q1 ki rele pa non Israël, \q1 ki te sòti nan dlo Juda la. \q1 Nou \x + \xo 48:1 \xo*\xt Det 6:13\xt*\x*sèmante pa non SENYÈ a, \q1 e envoke Bondye Israël la, \q1 men san verite e san ladwati. \q1 \v 2 Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an \q1 e yo \x + \xo 48:2 \xo*\xt És 10:20\xt*\x*depann sou Bondye Israël la; \q1 SENYÈ dèzame se non Li. \q1 \v 3 Mwen te \x + \xo 48:3 \xo*\xt És 41:22\xt*\x*deklare ansyen bagay lontan yo, \q1 yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo. \q1 Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive. \q1 \v 4 Akoz Mwen konnen ke \x + \xo 48:4 \xo*\xt Egz 32:9\xt*\x*tèt ou di, \q1 kou ou tankou ba fè, \q1 e fwontèn ou tankou bwonz; \q1 \v 5 pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa; \q1 avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm, \q1 pou ou pa ta di: ‘Se \x + \xo 48:5 \xo*\xt Jr 44:15-18\xt*\x*zidòl mwen an ki te fè l; \q1 imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an \q1 ki te kòmande yo.’ \q1 \v 6 Ou te tande sa! \q1 Gade tout sa! \q1 Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li? \b \q1 Mwen pwoklame \x + \xo 48:6 \xo*\xt És 42:9\xt*\x*bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a, \q1 tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo. \q1 \v 7 Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa. \q1 Avan jou sa a, ou pa t tande yo. \q1 Konsa, ou p ap di: “Gade byen, mwen te konnen yo”. \q1 \v 8 Anverite, Ou pa t konn tande yo, \q1 ni ou pa t konnen yo. \q1 Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri, \q1 paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken. \q1 Depi nan nesans ou, se \x + \xo 48:8 \xo*\xt Det 9:7-24\xt*\x*rebèl ou te ye. \q1 \v 9 \x + \xo 48:9 \xo*\xt Né 9:30-31\xt*\x*Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta; \q1 pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou, \q1 pou m pa koupe retire ou nèt. \q1 \v 10 Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan; \q1 Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a. \q1 \v 11 Pou koz pa M, \q1 pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji; \q1 paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa? \q1 \x + \xo 48:11 \xo*\xt Det 32:26-27\xt*\x*Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt. \b \q1 \v 12 Koute Mwen, O Jacob, \q1 menm Israël ke M te rele a; \q1 Mwen se Li menm nan. \q1 \x + \xo 48:12 \xo*\xt És 44:6\xt*\x*Mwen se premye a. \q1 E Mwen se osi dènye a. \q1 \v 13 Anverite, men M te \x + \xo 48:13 \xo*\xt Egz 20:11\xt*\x*etabli latè, \q1 e men dwat Mwen te louvri syèl yo. \q1 Lè M rele yo, yo kanpe ansanm. \b \q1 \v 14 Rasanble, nou tout pou koute! \q1 Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo? \q1 Sila SENYÈ a renmen; li va \x + \xo 48:14 \xo*\xt És 46:10-11\xt*\x*akonpli sa li pito sou Babylone. \q1 Men L va kontra Kaldeyen yo. \q1 \v 15 Mwen menm, Mwen te pale. \q1 Anverite, Mwen te \x + \xo 48:15 \xo*\xt És 41:12\xt*\x*rele li. \q1 Mwen te mennen li, \q1 e Li va fè chemen li yo vin reyisi. \q1 \v 16 Vin toupre Mwen, koute sa: \b \q1 “Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè; \q1 depi tan sa te rive a, Mwen te la.” \b \q1 Epi koulye a \x + \xo 48:16 \xo*\xt Za 2:9-11\xt*\x*Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li. \b \q1 \v 17 Konsa pale SENYÈ a, \q1 Redanmtè ou a, \q1 Sila Ki Sen an Israël la: \q1 “Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, \q1 ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi, \q1 ki \x + \xo 48:17 \xo*\xt Sòm 32:8\xt*\x*mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a. \q1 \v 18 Si sèlman ou te \x + \xo 48:18 \xo*\xt Det 5:29\xt*\x*okipe kòmandman Mwen yo! \q1 Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè, \q1 e ladwati ou tankou lam lanmè yo. \q1 \v 19 Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab. \q1 \x + \xo 48:19 \xo*\xt És 56:5\xt*\x*Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.” \b \q1 \v 20 \x + \xo 48:20 \xo*\xt Jr 50:8\xt*\x*Ale kite Babylone! \q1 Sove ale devan Kaldeyen yo! \q1 Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. \q1 Voye li rive jis nan dènye pwent latè. \q1 Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.” \q1 \v 21 Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo. \q1 Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo; \q1 Li te fann wòch la e \x + \xo 48:21 \xo*\xt Sòm 78:20\xt*\x*dlo te vin pete. \b \q1 \v 22 \x + \xo 48:22 \xo*\xt És 57:21\xt*\x*“Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di. \c 49 \q1 \v 1 Koute Mwen, O \x + \xo 49:1 \xo*\xt És 42:4\xt*\x*lil yo \q1 e tande byen, pèp ki sòti lwen yo. \q1 SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant; \q1 depi nan vant manman M, Li te rele M. \q1 \v 2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file; \q1 nan \x + \xo 49:2 \xo*\xt És 51:16\xt*\x*lonbraj men L, Li te kache Mwen. \q1 Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli, \q1 e Li te kache Mwen nan fouwo Li. \q1 \v 3 Li te di Mwen: \x + \xo 49:3 \xo*\xt Za 3:8\xt*\x*“Ou se sèvitè Mwen, \q1 Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.” \q1 \v 4 Men Mwen te di: “Mwen te \x + \xo 49:4 \xo*\xt És 65:23\xt*\x*travay di an ven. \q1 Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite; \q1 sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a, \q1 e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.” \b \q1 \v 5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant \q1 pou m ta Sèvitè Li a: \q1 Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a, \q1 pou Israël ta ranmase vè Li \q1 (paske mwen te \x + \xo 49:5 \xo*\xt És 43:4\xt*\x*resevwa lonè nan zye SENYÈ a \q1 e Bondye Mwen an se fòs Mwen), \q1 \v 6 Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, \q1 pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, \q1 e restore retay Israël la. \q1 Konsa anplis, Mwen va fè Ou \x + \xo 49:6 \xo*\xt És 42:6\xt*\x*yon limyè a nasyon yo, \q1 pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.” \q1 \v 7 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, \q1 a Sila ke lòm \x + \xo 49:7 \xo*\xt Sòm 22:6-8\xt*\x*meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, \q1 a Sèvitè a chèf yo: \q1 “Wa yo va wè e vin leve, \q1 Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, \q1 Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.” \b \q1 \v 8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab, \q1 ke M te reponn Ou. \q1 Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou. \q1 Mwen va kenbe Ou e \x + \xo 49:8 \xo*\xt És 42:6\xt*\x*bay Ou kon yon akò pou pèp la, \q1 pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo. \q1 \v 9 Pou pale a \x + \xo 49:9 \xo*\xt És 42:7\xt*\x*kaptif yo: ‘Vin parèt’! \q1 Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’. \q1 Akote chemen yo, yo va manje \q1 e patiraj yo va sou tout wotè vid yo. \q1 \v 10 Yo p ap grangou, ni soufri swaf, \q1 ni solèy ki brile p ap frape yo; \q1 Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va \x + \xo 49:10 \xo*\xt Sòm 23:2\xt*\x*mennen yo \q1 e va gide yo rive nan sous dlo yo. \q1 \v 11 Mwen va fè tout \x + \xo 49:11 \xo*\xt És 40:4\xt*\x*mòn Mwen yo vin yon chemen, \q1 e gran chemen Mwen yo va vin leve wo. \q1 \v 12 Gade byen, sa yo va vini sòti lwen; \q1 epi gade, sila yo va soti nan \x + \xo 49:12 \xo*\xt És 43:5-6\xt*\x*nò ak nan lwès la, \q1 e sila yo va soti nan peyi Sinim yo. \q1 \v 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo! \q1 Rejwi, O latè! \q1 Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! \q1 Paske \x + \xo 49:13 \xo*\xt És 40:1\xt*\x*SENYÈ a te konsole pèp Li a. \q1 Li va gen konpasyon pou aflije Li yo. \b \q1 \v 14 Men Sion te di: “SENYÈ a te abandone mwen, \q1 e Senyè a te bliye mwen.” \q1 \v 15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, \q1 pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an? \q1 Menm sila yo ka bliye, men \x + \xo 49:15 \xo*\xt És 44:21\xt*\x*Mwen p ap bliye ou. \q1 \v 16 Gade byen, Mwen te \x + \xo 49:16 \xo*\xt Kan 8:6\xt*\x*enskri ou nan pla men Mwen. \q1 Miray ou yo devan Mwen tout tan. \q1 \v 17 Fè pitit ou yo, fè vit. \q1 Sila k ap \x + \xo 49:17 \xo*\xt És 10:6\xt*\x*detwi yo e k ap devaste yo va kite ou. \q1 \v 18 “Leve zye ou e gade toupatou; \q1 yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou. \q1 \x + \xo 49:18 \xo*\xt És 45:23\xt*\x*Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a: \q1 “Ou va, anverite abiye ak yo tout, \q1 pou yo sèvi kon bijou ou, \q1 e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.” \q1 \v 19 Nan plas dezè e dezole ou yo, \q1 nan peyi detwi nèt ou a, \q1 anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo, \q1 e \x + \xo 49:19 \xo*\xt Sòm 56:1-2\xt*\x*sila ki te vale ou yo va ale byen lwen. \q1 \v 20 \x + \xo 49:20 \xo*\xt És 54:1-3\xt*\x*Pitit ke ou te pèdi yo va gen tan di nan zòrèy ou: \q1 “Plas sa a twò piti pou mwen; \q1 fè espas pou mwen pou m ka viv isit la.” \q1 \v 21 Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen, \q1 paske mwen te pèdi pitit mwen yo, \q1 e mwen rete sèl, yon \x + \xo 49:21 \xo*\xt És 5:13\xt*\x*egzile e yon vwayajè? \q1 Konsa, se kilès ki te leve sila yo? \q1 Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’” \b \q1 \v 22 Konsa pale Senyè BONDYE a: \q1 “Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo \q1 e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo. \q1 Yo va \x + \xo 49:22 \xo*\xt És 14:2\xt*\x*mennen fis ou yo nan sen yo, \q1 e fi nou yo va pote sou zepòl yo. \q1 \v 23 Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, \q1 e fi yo kon manman nouris. \q1 Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, \q1 pou niche pousyè nan pye ou. \q1 Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; \q1 sila ki \x + \xo 49:23 \xo*\xt Sòm 37:9\xt*\x*tann Mwen yo p ap vin wont.” \b \q1 \v 24 \x + \xo 49:24 \xo*\xt Mat 12:29\xt*\x*Èske piyaj la kapab rache nan men a nonm pwisan an? \q1 Oswa èske kaptif lejitim yo kapab delivre? \q1 \v 25 Anverite, konsa pale SENYÈ a: “Menm \x + \xo 49:25 \xo*\xt És 10:6\xt*\x*kaptif a nonm pwisan la va soti, \q1 e piyaj la va rache nan men nonm fò a; \q1 paske Mwen va batay ak sila ki batay avèk ou \q1 e Mwen va sove fis ou yo. \q1 \v 26 Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo; \q1 yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous. \q1 Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, \q1 se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.” \c 50 \q1 \v 1 Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila \q1 Mwen te voye manman ou ale a? \q1 Oswa èske Mwen te \x + \xo 50:1 \xo*\xt Det 32:30\xt*\x*vann ou bay ou yo? \q1 Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, \q1 e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo. \q1 \v 2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? \q1 Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? \q1 Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? \q1 Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? \q1 Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; \q1 Mwen \x + \xo 50:2 \xo*\xt Jos 3:16\xt*\x*fè rivyè yo vin dezè. \q1 Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf. \q1 \v 3 Mwen \x + \xo 50:3 \xo*\xt És 13:10\xt*\x*abiye syèl yo ak fènwa \q1 e kouvri yo ak twal sak.” \b \q1 \v 4 Senyè a te ban Mwen lang a \x + \xo 50:4 \xo*\xt És 8:16\xt*\x*sa yo ki enstwi yo, \q1 pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. \q1 Li fè M leve maten apre maten, \q1 Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip. \q1 \v 5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen. \q1 Mwen \x + \xo 50:5 \xo*\xt Mat 26:39\xt*\x*pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak. \q1 \v 6 Mwen \x + \xo 50:6 \xo*\xt Mat 26:67\xt*\x*te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo, \q1 ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo; \q1 Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache. \q1 \v 7 Paske Senyè BONDYE a va \x + \xo 50:7 \xo*\xt És 42:1\xt*\x*fè M sekou. \q1 Pou sa, Mwen pa t twouble menm. \q1 Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks. \q1 Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont. \q1 \v 8 Sila ki \x + \xo 50:8 \xo*\xt És 45:25\xt*\x*jistifye Mwen an toupre; \q1 se kilès ki mennen ka a kont Mwen? \q1 Kite li rale pre M. \q1 \v 9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou; \q1 se kilès ki kondane Mwen? \q1 Gade byen, yo tout va vin vye; \q1 epwize tankou yon vètman. \q1 Mit papiyon twal yo va manje yo. \b \q1 \v 10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, \q1 ki obeyi vwa a \x + \xo 50:10 \xo*\xt És 49:2-3\xt*\x*sèvitè Li a, \q1 ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? \q1 Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a \q1 e depann de Bondye li a. \q1 \v 11 Gade byen, nou tout ki \x + \xo 50:11 \xo*\xt Pwov 26:18\xt*\x*limen yon dife, \q1 ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo; \q1 mache nan limyè dife nou te fè a, \q1 e pami tòch yo nou te lime a. \q1 Men sa nou va jwenn nan men Mwen an: \q1 Nou va kouche pou fè lamantasyon. \c 51 \p \v 1 “Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a, \q1 k ap \x + \xo 51:1 \xo*\xt Sòm 94:15\xt*\x*chache SENYÈ a: \q1 Gade vè wòch sou sila nou te taye a, \q1 vè min wòch kote nou te retire a. \q1 \v 2 Gade vè \x + \xo 51:2 \xo*\xt És 29:22\xt*\x*Abraham, papa nou an \q1 ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. \q1 Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, \q1 Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.” \q1 \v 3 Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; \q1 Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. \q1 Epi savann li yo te fèt sanble ak \x + \xo 51:3 \xo*\xt Jen 2:8\xt*\x*Éden, \q1 e dezè yo tankou jaden Senyè a. \q1 Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; \q1 remèsiman ak son melodi chanson. \b \q1 \v 4 “Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an \q1 e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an; \q1 paske yon lwa va sòti nan Mwen \q1 e Mwen va \x + \xo 51:4 \xo*\xt És 1:27\xt*\x*poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo. \q1 \v 5 \x + \xo 51:5 \xo*\xt És 46:13\xt*\x*Ladwati Mwen toupre a. \q1 Sali Mwen te voye deyò. \q1 Se bra M kap jije pèp yo. \q1 Peyi kot yo va tann Mwen, \q1 e bra M va jije pèp yo. \q1 \v 6 Leve zye nou vè syèl la \q1 e gade anba vè latè; \q1 paske syèl la va disparèt tankou lafimen; \q1 \x + \xo 51:6 \xo*\xt Sòm 102:25-26\xt*\x*latè va epwize tankou yon vètman. \q1 Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri; \q1 men delivrans Mwen va la jis pou tout tan, \q1 e ladwati Mwen p ap janm sispann. \b \q1 \v 7 “Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati, \q1 yon pèp ki gen lalwa M nan \x + \xo 51:7 \xo*\xt Sòm 37:31\xt*\x*kè yo. \q1 Pa pè repwòch a lòm, \q1 ni dekouraje lè y ap meprize nou. \q1 \v 8 Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, \q1 e \x + \xo 51:8 \xo*\xt És 14:11\xt*\x*mit va manje yo tankou len. \q1 Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, \q1 e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.” \b \q1 \v 9 “Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; \q1 leve tankou nan jou lansyen yo. \q1 \x + \xo 51:9 \xo*\xt Job 26:12\xt*\x*Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, \q1 ki te frennen dragon an nèt la? \q1 \v 10 Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a, \q1 dlo yo a gran fon an; \q1 ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen \q1 pou rachte yo ta ka travèse lòtbò? \q1 \v 11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen; \q1 vini ak gwo kri lajwa a Sion yo. \q1 Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo. \q1 Yo va jwenn kè kontan ak lajwa, \q1 e \x + \xo 51:11 \xo*\xt És 60:19\xt*\x*tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt. \b \q1 \v 12 “Mwen, Mwen menm se Sila ki \x + \xo 51:12 \xo*\xt És 51:3\xt*\x*bannou konsolasyon an. \q1 Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, \q1 ak fis a moun ki fèt tankou zèb la? \q1 \v 13 Èske ou te \x + \xo 51:13 \xo*\xt Det 6:12\xt*\x*bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a, \q1 ki te rale ouvri syèl yo \q1 e te poze fondasyon latè yo? \q1 Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a, \q1 pandan l ap prepare pou detwi? \q1 Men ki kote kòlè opresè sila a? \q1 \v 14 Toutalè \x + \xo 51:14 \xo*\xt És 48:20\xt*\x*egzile a va libere. \q1 Li p ap mouri nan kacho a, \q1 ni li p ap manke pen. \q1 \v 15 Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a, \q1 ki fè \x + \xo 51:15 \xo*\xt Sòm 107:25\xt*\x*boulvèse lanmè a, \q1 Ki fè lanm li yo gwonde. \q1 SENYÈ dèzame yo se non Li. \q1 \v 16 Mwen te \x + \xo 51:16 \xo*\xt Det 18:18\xt*\x*mete pawòl Mwen nan bouch ou \q1 e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen, \q1 pou etabli syèl yo, fonde latè a \q1 e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’” \b \q1 \v 17 \x + \xo 51:17 \xo*\xt És 51:9\xt*\x*Leve ou menm! Leve ou menm! \q1 Kanpe, O Jérusalem! \q1 Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li. \q1 Gode ki pou fè ou kilbite a, \q1 ou fin bwè jis rive nan kras anba l. \q1 \v 18 \x + \xo 51:18 \xo*\xt Sòm 88:18\xt*\x*Nanpwen moun ki pou gide fi a \q1 pami tout fis li te fè yo, \q1 ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen \q1 pami tout fis li te leve yo. \q1 \v 19 Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou— \q1 se kilès ki va kriye pou ou?— \q1 \x + \xo 51:19 \xo*\xt És 8:21\xt*\x*devastasyon ak destriksyon, \q1 gwo grangou, ak nepe. \q1 Kijan pou m ta konsole ou? \q1 \v 20 Fis ou yo vin endispoze; \q1 yo kouche atè sou pwent a chak ri, \q1 tankou antilòp ki kenbe nan pèlen. \q1 Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a, \q1 ak \x + \xo 51:20 \xo*\xt És 66:15\xt*\x*repwòch Bondye ou a. \b \q1 \v 21 Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki \x + \xo 51:21 \xo*\xt És 54:11\xt*\x*aflije, \q1 ki sou, men pa avèk diven: \q1 \v 22 Konsa pale Senyè ou a, \q1 SENYÈ a, menm Bondye ou, \q1 ki pran plede kòz pou pèp Li a: \q1 “Gade byen, Mwen te retire \x + \xo 51:22 \xo*\xt És 51:17\xt*\x*tas kilbite a, \q1 gode kòlè Mwen an soti nan men ou; \q1 ou p ap janm bwè l ankò. \q1 \v 23 M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo, \q1 ki te di nanm ou: \x + \xo 51:23 \xo*\xt Jos 10:24\xt*\x* ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’. \q1 Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a; \q1 tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.” \c 52 \q1 \v 1 \x + \xo 52:1 \xo*\xt És 51:9-17\xt*\x*Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion. \q1 Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an; \q1 paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo \q1 p ap antre kote ou a ankò. \q1 \v 2 Souke leve kò ou \x + \xo 52:2 \xo*\xt És 29:4\xt*\x*sòti nan pousyè a, \q1 O kaptif Jérusalem nan! \q1 Retire chenn sa yo nan kou ou, \q1 O fi kaptif a Sion an. \b \q1 \v 3 Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi \q1 e ou va \x + \xo 52:3 \xo*\xt És 1:27\xt*\x*rachte san vèse lajan.” \b \q1 \v 4 Paske konsa pale SENYÈ a: \q1 “Pèp Mwen an nan kòmansman, \q1 \x + \xo 52:4 \xo*\xt Jen 46:6\xt*\x*te desann an Égypte pou rezide la, \q1 epi Asiryen yo te oprime yo san koz. \q1 \v 5 Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a, \q1 “konsi pèp Mwen an te retire san koz?” \q1 Ankò deklare SENYÈ a: \q1 “Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen, \q1 epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan, \q1 e \x + \xo 52:5 \xo*\xt Éz 36:20-23\xt*\x*non Mwen blasfeme tout lajounen, \q1 \v 6 pou sa, pèp Mwen an va \x + \xo 52:6 \xo*\xt És 49:23\xt*\x*konnen non Mwen. \q1 Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale. \q1 Gade byen, se Mwen!” \b \q1 \v 7 A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote \x + \xo 52:7 \xo*\xt És 40:9\xt*\x*bòn nouvèl la, \q1 ki anonse lapè, \q1 ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, \q1 ki anonse Sali, \q1 ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!” \q1 \v 8 Gadyen ou yo leve \x + \xo 52:8 \xo*\xt És 62:6\xt*\x*vwa yo. \q1 Yo rele fò ak kè kontan ansanm; \q1 paske yo va wè ak pwòp zye yo \q1 lè SENYÈ a retounen nan Sion an. \q1 \v 9 Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo, \q1 paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. \q1 Li te \x + \xo 52:9 \xo*\xt És 43:1\xt*\x*rachte Jérusalem. \q1 \v 10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. \q1 \x + \xo 52:10 \xo*\xt És 45:22\xt*\x*Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an. \b \q1 \v 11 \x + \xo 52:11 \xo*\xt És 48:20\xt*\x*Sòti! Sòti! Kite kote sa a! \q1 Pa touche anyen ki pa pwòp! \q1 Sòti nan mitan li! \q1 Vin pirifye nou menm! \q1 Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a. \q1 \v 12 Nou p ap kite ak gran vites, \q1 ni nou p ap kouri devan moun; \q1 paske \x + \xo 52:12 \xo*\xt És 26:7\xt*\x*SENYÈ a va ale devan nou \q1 e Bondye Israël la va fè gad an aryè. \b \q1 \v 13 Gade byen, \x + \xo 52:13 \xo*\xt És 42:1\xt*\x*sèvitè Mwen an va aji avèk sajès. \q1 Li va leve wo, e vin egzalte anpil. \q1 \v 14 Menm jan ke anpil moun te etone de ou— \q1 konsa \x + \xo 52:14 \xo*\xt És 53:2-3\xt*\x*aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun, \q1 e fòm li plis ke fis a lòm yo. \q1 \v 15 Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. \q1 Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; \q1 paske \x + \xo 52:15 \xo*\xt Wo 15:21\xt*\x*sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, \q1 e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li. \c 53 \q1 \v 1 \x + \xo 53:1 \xo*\xt Jn 12:38\xt*\x*Se kilès ki te kwè mesaj nou yo? \q1 Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele? \q1 \v 2 Paske Li te grandi devan nou kon yon \x + \xo 53:2 \xo*\xt És 11:1\xt*\x*boujon vèt, \q1 e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk. \q1 Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li, \q1 ni majeste pou nou ta gade sou Li, \q1 ni aparans pou nou ta atire a Li. \q1 \v 3 Li te meprize e abandone pa lòm; \q1 yon nonm ak gwo tristès \q1 ki te konnen gwo soufrans, \q1 ak tout maladi. \q1 Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, \q1 Li te vin \x + \xo 53:3 \xo*\xt Mc 10:33\xt*\x*meprize, \q1 e nou pa t bay Li okenn valè. \b \q1 \v 4 Anverite, se doulè nou yo Li te \x + \xo 53:4 \xo*\xt Mat 8:17\xt*\x*pote \q1 ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L; \q1 men nou te rekonèt Li kon moun pini, \q1 frape pa Bondye e aflije. \q1 \v 5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo. \q1 Li te kraze pou \x + \xo 53:5 \xo*\xt I Pi 2:24-25\xt*\x*inikite nou yo. \q1 Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li, \q1 e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon. \q1 \v 6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. \q1 Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, \q1 men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li. \b \q1 \v 7 Li te vin oprime e aflije; \q1 malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. \q1 \x + \xo 53:7 \xo*\xt Trav 8:32-33\xt*\x*Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, \q1 e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila \q1 k ap taye lenn li yo, \q1 konsa Li pa t ouvri bouch Li. \q1 \v 8 Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt. \q1 Selon jenerasyon Li, \q1 yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo, \q1 ke Li te kraze \x + \xo 53:8 \xo*\xt És 55:5-12\xt*\x* akoz peche a pèp Mwen yo. \q1 \v 9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo, \q1 men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li, \q1 malgre Li pa t fè okenn vyolans, \q1 ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li. \b \q1 \v 10 Men SENYÈ a te kontan \x + \xo 53:10 \xo*\xt És 53:5\xt*\x*brize Li; \q1 pou mete Li nan gwo soufrans, \q1 pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, \q1 pou L ta wè desandan Li yo. \q1 Li va pwolonje jou Li yo, \q1 e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li. \q1 \v 11 Apre gwo doulè nanm Li an, \q1 Li va \x + \xo 53:11 \xo*\xt Jn 10:14-18\xt*\x*wè limyè a, \q1 e Li va satisfè. \q1 Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun \q1 akoz konnesans Li anvè Li menm; \q1 e Li va pote inikite yo. \q1 \v 12 Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo. \q1 Li va divize piyaj ak moun pwisan yo, \q1 akoz Li te livre \x + \xo 53:12 \xo*\xt Mat 26:38-42\xt*\x*nanm Li menm a lanmò, \q1 e Li te konte avèk malfektè yo; \q1 malgre Li te pote peche a anpil moun, \q1 e te entèsede pou koupab yo. \c 54 \p \v 1 “Chante, O esteril la! \q1 Ou menm ki pa t kapab fè pitit! \q1 Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò, \q1 ou menm ki pa t gen doulè ansent lan! \q1 Paske fis fanm \x + \xo 54:1 \xo*\xt És 62:4\xt*\x*abandone an va depase fis a \q1 fanm ki marye yo”, SENYÈ a di. \q1 \v 2 “Agrandi anplasman tant ou; \q1 lonje rido lakay ou, pa ralanti! \q1 Fè kòd yo pi long e fòtifye \x + \xo 54:2 \xo*\xt Egz 35:18\xt*\x*pikèt yo. \q1 \v 3 Paske ou va \x + \xo 54:3 \xo*\xt Jen 28:14\xt*\x*gaye toupatou, ni adwat, ni agoch. \q1 Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo. \q1 Yo va rete ankò nan vil abandone yo.” \b \q1 \v 4 “Pa pè, paske ou \x + \xo 54:4 \xo*\xt És 45:17\xt*\x*p ap vin wont. \q1 Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi. \q1 Ou p ap sonje wont jenès ou \q1 ak repwòch tankou vèv. \q1 Sa va bliye nèt. \q1 \v 5 Paske \x + \xo 54:5 \xo*\xt Jr 3:14\xt*\x*mari ou se Kreyatè ou a; \q1 yo rele L SENYÈ dèzame yo. \q1 Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la. \q1 Yo rele Li Bondye a tout latè a. \q1 \v 6 Paske SENYÈ a te rele ou \q1 kon yon madanm \x + \xo 54:6 \xo*\xt És 49:14-21\xt*\x*abandone e atriste nan lespri, \q1 menm kon yon madanm nan jenès li \q1 lè l abandone,” di Bondye ou. \b \q1 \v 7 “Pou yon \x + \xo 54:7 \xo*\xt És 26:20\xt*\x*ti tan kout, Mwen te kite ou; \q1 men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou. \q1 \v 8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman, \q1 men ak lanmou dous ki p ap janm fini an, \q1 Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a. \b \q1 \v 9 “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo. \q1 Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo \x + \xo 54:9 \xo*\xt Jen 9:11\xt*\x*pa ta janm inonde latè ankò, \q1 konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou, \q1 ni ke Mwen p ap repwoche nou. \q1 \v 10 Paske mòn yo kapab deplase, \q1 e kolin yo ka disparèt, \q1 men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou. \q1 Ni \x + \xo 54:10 \xo*\xt II Sam 23:5\xt*\x*akò lapè Mwen p ap soti menm,” \q1 di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a. \b \q1 \v 11 O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san \x + \xo 54:11 \xo*\xt És 51:18-19\xt*\x*konsolasyon an; \q1 gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl \q1 ki fèt pou bijou bèl koulè yo, \q1 epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì. \q1 \v 12 Anplis, Mwen va fè ranpa ou ak bijou ribi, \q1 pòtay nou yo ak pyè kristal, \q1 e tout miray ou yo ak pyè presye. \q1 \v 13 \x + \xo 54:13 \xo*\xt Jn 6:45\xt*\x*Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a; \q1 pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt. \q1 \v 14 Nan \x + \xo 54:14 \xo*\xt És 1:26-27\xt*\x*ladwati, ou va etabli; \q1 ou va rete lwen opresyon, \q1 paske ou p ap gen lakrent. \q1 Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou. \q1 \v 15 Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti. \q1 \x + \xo 54:15 \xo*\xt És 41:11-16\xt*\x*Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm. \b \q1 \v 16 “Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon \q1 ki pou soufle dife chabon an, \q1 e fè sòti yon zam pou travay li. \q1 Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi. \q1 \v 17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; \q1 epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. \q1 Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. \q1 \x + \xo 54:17 \xo*\xt És 45:24\xt*\x*Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a. \c 55 \p \v 1 “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo! \q1 Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje. \q1 Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè. \q1 \v 2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen, \q1 ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè? \q1 Koute Mwen avèk atansyon, \x + \xo 55:2 \xo*\xt Sòm 22:26\xt*\x*manje sa ki bon \q1 e pran plezi nou an abondans. \q1 \v 3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. \q1 Koute pou nou ka viv. \q1 \x + \xo 55:3 \xo*\xt Trav 13:34\xt*\x*Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, \q1 selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la. \q1 \v 4 Gade byen, Mwen te bay \x + \xo 55:4 \xo*\xt Sòm 18:43\xt*\x*li kon yon temwen a pèp la, \q1 yon chèf ak kòmandè pou pèp la. \q1 \v 5 Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt; \q1 yon nasyon ki pa rekonèt ou va \x + \xo 55:5 \xo*\xt Za 8:22\xt*\x*kouri bò kote ou, \q1 akoz SENYÈ Bondye ou a, \q1 ak Sila Ki Sen an Israël la; \q1 paske Li te bay ou glwa.” \b \q1 \v 6 \x + \xo 55:6 \xo*\xt Sòm 32:6\xt*\x*Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve; \q1 rele Li pandan Li toupre a. \q1 \v 7 \x + \xo 55:7 \xo*\xt És 1:16-19\xt*\x*Kite mechan an abandone chemen li an, \q1 ak pechè a, panse li yo. \q1 Kite li retounen kote SENYÈ a \q1 e Li va gen mizerikòd sou li; \q1 anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd. \b \q1 \v 8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa \x + \xo 55:8 \xo*\xt És 65:2\xt*\x*panse pa w, \q1 ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a. \q1 \v 9 Paske \x + \xo 55:9 \xo*\xt Sòm 103:11\xt*\x*tankou syèl yo pi wo ke tè a, \q1 konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo, \q1 e panse Mwen yo ke panse pa w yo. \q1 \v 10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la, \q1 e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a, \q1 pou fè l donnen e boujonnen, \q1 pou fè l bay \x + \xo 55:10 \xo*\xt II Kwo 9:10\xt*\x*semans pou kiltivatè, \q1 ak pen pou sila k ap manje a; \q1 \v 11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye. \q1 Li \x + \xo 55:11 \xo*\xt És 44:26\xt*\x*p ap retounen kote Mwen vid, \q1 san ke li pa akonpli sa ke M dezire a, \q1 san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a. \q1 \v 12 Paske ou va sòti ak \x + \xo 55:12 \xo*\xt Sòm 105:43\xt*\x*kè kontan \q1 e mennen sòti ak lapè. \q1 Mòn yo ak kolin yo va eklate \q1 nan gwo kri lajwa devan ou, \q1 e tout bwa nan chan yo va bat men yo. \q1 \v 13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve; \q1 olye \x + \xo 55:13 \xo*\xt És 5:6\xt*\x*machacha, bwa jasmen va leve. \q1 Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a, \q1 kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt. \c 56 \q1 \v 1 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Konsève sa ki jis \q1 e fè sa ki dwat, \q1 paske \x + \xo 56:1 \xo*\xt Sòm 85:9\xt*\x*sali Mwen an prèt pou rive \q1 e ladwati Mwen va vin revele. \q1 \v 2 A la \x + \xo 56:2 \xo*\xt Sòm 112:1\xt*\x*beni nonm ki fè sa a beni, \q1 e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm; \q1 ki pa janm derespekte Saba a, \q1 e ki anpeche men l fè mal la.” \b \q1 \v 3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di: \q1 “Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.” \q1 Ni pa kite \x + \xo 56:3 \xo*\xt Det 23:1\xt*\x* enik lan di: \q1 “Gade byen, mwen se yon bwa sèch”. \b \q1 \v 4 Paske konsa pale SENYÈ a: \q1 “A enik yo ki \x + \xo 56:4 \xo*\xt És 56:2-6\xt*\x*kenbe Saba Mwen yo, \q1 ki chwazi sa ki fè M plezi, \q1 e ki kenbe fèm nan akò Mwen an, \q1 \v 5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; \q1 anndan miray Mwen yo, yon memoryal \q1 e yon \x + \xo 56:5 \xo*\xt És 62:2\xt*\x*non ki meyè a fis yo oswa fi yo. \q1 Mwen va bay yo yon non \q1 k ap dire nèt jis pou letènite, \q1 ki p ap janm disparèt.” \b \q1 \v 6 “Anplis, \x + \xo 56:6 \xo*\xt És 56:3\xt*\x*etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a, \q1 pou sèvi Li, \q1 pou renmen non a SENYÈ a, \q1 pou vin sèvitè Li, \q1 yo tout ki pa derespekte Saba a, \q1 e ki kenbe fèm sou akò Mwen an; \q1 \v 7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an, \q1 e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an. \q1 Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an; \q1 paske \x + \xo 56:7 \xo*\xt Mat 21:13\xt*\x*kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.” \q1 \v 8 Senyè BONDYE a, ki \x + \xo 56:8 \xo*\xt És 11:12\xt*\x*rasanble dispèse a Israël yo, deklare: \q1 “Mwen va rasanble lòt yo anvè yo, \q1 lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.” \b \q1 \v 9 Nou tout, \x + \xo 56:9 \xo*\xt Éz 3:17\xt*\x*bèt a chan yo, \q1 vin manje, \q1 ak tout bèt a forè yo. \q1 \v 10 \x + \xo 56:10 \xo*\xt Éz 3:17\xt*\x*Gadyen Li yo avèg. \q1 Tout nan yo san konprann. \q1 Se chen bèbè ki pa ka jape; \q1 moun k ap kouche fè rèv, \q1 ki renmen somèy. \q1 \v 11 Wi, chen yo voras. \q1 Yo pa janm jwenn asi. \q1 Se bèje yo ye san konprann. \q1 Yo tout \x + \xo 56:11 \xo*\xt És 57:17\xt*\x*vire tounen nan pwòp chemen pa yo, \q1 yo chak nan ranmase byen de tout katye. \q1 \v 12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven; \q1 annou bwè anpil bwason fò. \q1 Epi \x + \xo 56:12 \xo*\xt Sòm 10:6\xt*\x*demen na p fè menm jan ak jodi a! \q1 Plis menm!” \c 57 \p \v 1 Moun dwat la peri, \q1 men pèsòn pa pran sa a kè. \q1 Sila ak mizerikòd vin retire, \q1 men pèsòn pa konsidere \q1 ke moun dwat la retire pou anpeche \x + \xo 57:1 \xo*\xt II Wa 22:20\xt*\x*mal la rive l. \q1 \v 2 Li antre nan lapè. \q1 Chak antre nan pwòp kabann pa l; \q1 tout sila ki te \x + \xo 57:2 \xo*\xt És 26:7\xt*\x*mache dwat nan chemen li yo. \b \q1 \v 3 “Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo, \q1 \x + \xo 57:3 \xo*\xt És 1:4\xt*\x*desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye. \q1 \v 4 Se kont kilès nou fè plezi a? \q1 Kont kilès nou ouvri bouch nou laj \q1 e lonje lang nou an? \q1 Se pa desandan a \x + \xo 57:4 \xo*\xt És 48:8\xt*\x*rebèl nou ye, \q1 ak pòtè a desepsyon? \q1 \v 5 Kap limen tèt nou pami bwadchenn yo, \q1 anba tout gwo bwa vèt, \q1 ki \x + \xo 57:5 \xo*\xt II Wa 23:10\xt*\x*fè masak timoun yo nan ravin yo, \q1 anba fenèt wòch gwo falèz yo? \q1 \v 6 Pami \x + \xo 57:6 \xo*\xt Jr 3:9\xt*\x*wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w; \q1 pou yo menm ou te voye osò a. \q1 Menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason. \q1 Ou te fè yon ofrann sereyal. \q1 Èske M ta dwe ralanti konsènan bagay sa yo? \q1 \v 7 Sou yon gwo mòn byen wo, ou \x + \xo 57:7 \xo*\xt Éz 23:41\xt*\x*te fè kabann ou. \q1 Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis. \q1 \v 8 Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou; \q1 ou te ouvri ou menm a yon lòt sòf ke mwen. \q1 Konsa, ou te monte. \q1 Ou te ale fè kabann ou byen laj. \q1 Konsa ou te antann ou avèk yo. \q1 Ou te byen renmen sa ou te we sou kabann yo. \q1 \v 9 Ou te ale kote wa a ak lwil, \q1 e ou te ogmante pafen ou yo; \q1 ou te \x + \xo 57:9 \xo*\xt Éz 23:16-40\xt*\x*voye mesaje ou yo rete lwen, \q1 e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo. \q1 \v 10 Ou te fatige akoz wout ou te long, \q1 men ou pa t di: \x + \xo 57:10 \xo*\xt Jr 2:25\xt*\x*‘Nanpwen espwa.’ \q1 Ou te jwenn fòs renouvle. \q1 Ou pa t febli menm. \b \q1 \v 11 De \x + \xo 57:11 \xo*\xt Pwov 29:25\xt*\x*kilès ou te pè e twouble a, \q1 ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an, \q1 ni menm panse a Mwen an? \q1 Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan \q1 ki fè ou pa gen lakrent Mwen an? \q1 \v 12 Mwen va \x + \xo 57:12 \xo*\xt És 58:1-2\xt*\x*deklare ladwati ou ak zèv ou yo, \q1 men yo p ap nan avantaj ou. \q1 \v 13 Lè ou vin kriye fò, \x + \xo 57:13 \xo*\xt Jr 22:20\xt*\x*kite zidòl ou yo delivre ou. \q1 Men van an va pote yo ale. \q1 Yon souf va rale yo monte. \q1 Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a. \q1 Li va posede mòn sen Mwen an.” \b \q1 \v 14 Li va di: \x + \xo 57:14 \xo*\xt És 62:10\xt*\x*“Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an! \q1 Retire obstak la ki nan wout pèp Mwen an.” \q1 \v 15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, \q1 Sila ki viv jis pou tout tan an, \q1 non a Li se Sila ki Sen an, pale: \q1 “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, \q1 anplis ak li menm ki gen \x + \xo 57:15 \xo*\xt Sòm 34:18\xt*\x*kè ki pi e ki enb, \q1 pou fè leve lespri a enb yo, \q1 e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche. \q1 \v 16 Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan, \q1 \x + \xo 57:16 \xo*\xt Sòm 85:5\xt*\x*ni se pa pou tout tan ke M ap fache a; \q1 paske lespri a ta vin fèb devan M, \q1 ak nanm a sila ke M te fè yo. \q1 \v 17 Akoz inikite \x + \xo 57:17 \xo*\xt És 2:7\xt*\x*gwo lanvi li, \q1 Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li. \q1 Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache. \q1 Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an. \q1 \v 18 Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, \x + \xo 57:18 \xo*\xt És 19:22\xt*\x*M ap geri li; \q1 Mwen va mennen li e restore konsolasyon \q1 a li menm ak sila k ap lamante pou li. \q1 \v 19 Mwen kreye fwi a lèv yo: \q1 “Lapè, lapè, pou sila ki \x + \xo 57:19 \xo*\xt Trav 2:39\xt*\x*lwen yo, \q1 ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di: \q1 “Epi Mwen va geri yo.” \q1 \v 20 Men \x + \xo 57:20 \xo*\xt Job 18:5-14\xt*\x*mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse. \q1 Li p ap ka kalme, e dlo yo \q1 rale fè monte fatra ak labou. \q1 \v 21 \x + \xo 57:21 \xo*\xt És 48:22\xt*\x*“Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di: \q1 “pou mechan yo”. \c 58 \q1 \v 1 \x + \xo 58:1 \xo*\xt És 40:6\xt*\x*“Kriye fò, ni pa rete! \q1 Leve vwa ou tankou yon twonpèt! \q1 Deklare a pèp Mwen transgresyon yo, \q1 e a lakay Jacob la, peche yo. \q1 \v 2 Malgre yo chache Mwen de jou an jou \q1 e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo, \q1 konsi se yon nasyon ki fè ladwati, \q1 e ki pa t abandone règleman a Bondye yo. \q1 Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis. \q1 Yo pran plezi \x + \xo 58:2 \xo*\xt Sòm 119:151\xt*\x*nan pwoksimite Bondye a. \q1 \v 3 ‘Poukisa nou \x + \xo 58:3 \xo*\xt Mal 3:14\xt*\x*fè jèn e Ou pa wè? \q1 Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ \b \q1 “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo \q1 e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo. \q1 \v 4 Gade byen, nou fè jèn pou \x + \xo 58:4 \xo*\xt És 3:14\xt*\x*konfli ak kont; \q1 pou nou frape ak ponyèt mechan an. \q1 Kalite jèn nou fè la jodi a pa p fè vwa ou tande anwo a. \q1 \v 5 Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan? \q1 Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm? \q1 Pou bese tèt li kon wozo, \q1 e gaye \x + \xo 58:5 \xo*\xt I Wa 21:27\xt*\x*twal sak ak sann kon kabann anba l? \q1 Èske se yon jèn ke ou rele sa; \q1 menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a? \b \q1 \v 6 “Se pa jèn sila a ke M pito; \q1 pou \x + \xo 58:6 \xo*\xt Né 5:10-12\xt*\x*lache lyann mechanste yo, \q1 pou demare kòd jouk la, \q1 pou lese oprime yo pran libète \q1 e kase tout jouk yo? \q1 \v 7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo, \q1 e mennen endijan yo antre nan kay? \q1 Lè ou wè \x + \xo 58:7 \xo*\xt Mat 25:35-36\xt*\x*toutouni an, pou kouvri l; \q1 epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou? \q1 \v 8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten, \q1 e \x + \xo 58:8 \xo*\xt Egz 14:19\xt*\x*gerizon ou va vòltije vit devan ou. \q1 Ladwati ou va ale devan ou, \q1 e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè. \q1 \v 9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn. \q1 Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’. \b \q1 “Si ou retire jouk la nan mitan nou, \q1 sispann \x + \xo 58:9 \xo*\xt Pwov 6:13\xt*\x*pwente dwat sou lòt \q1 e sispann pale mechanste; \q1 \v 10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou, \q1 e satisfè dezi a aflije a; \q1 nan lè sa a, \x + \xo 58:10 \xo*\xt Job 11:17\xt*\x*limyè ou va leve nan fènwa, \q1 e tristès ou va klere kon gran lajounen. \q1 \v 11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, \q1 satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, \q1 e bay fòs a zo ou yo. \q1 Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze \q1 e tankou yon \x + \xo 58:11 \xo*\xt Jn 4:14\xt*\x*sous dlo ki p ap janm seche. \q1 \v 12 Sila ki pami ou yo va \x + \xo 58:12 \xo*\xt És 49:8\xt*\x*rebati ansyen mazi yo. \q1 Ou va fè releve ansyen fondasyon yo. \q1 Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la, \q1 Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo. \b \q1 \v 13 “Si, nan Saba a, ou vire pye ou, \q1 pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an, \q1 e rele Saba a yon gwo plezi, \q1 epi jou sen a SENYÈ onorab, \q1 e bay li onè, \q1 olye chache \x + \xo 58:13 \xo*\xt És 55:8\xt*\x*chemen pa ou, \q1 olye pwòp plezi pa ou, \q1 ak pale pwòp pawòl pa w, \q1 \v 14 konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a, \q1 e Mwen va fè ou monte \x + \xo 58:14 \xo*\xt Det 32:13\xt*\x*sou wotè latè yo. \q1 Mwen va bay ou manje, \q1 e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a, \q1 paske bouch SENYÈ a pale sa a.” \c 59 \q1 \v 1 Gade byen, \x + \xo 59:1 \xo*\xt Nonb 1:23\xt*\x*men SENYÈ a pa tèlman kout \q1 pou l pa ka sove; \q1 ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande. \q1 \v 2 Men se \x + \xo 59:2 \xo*\xt És 1:15\xt*\x*inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, \q1 e se peche nou yo \q1 ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande. \q1 \v 3 Paske \x + \xo 59:3 \xo*\xt És 1:15-21\xt*\x*men nou souye ak san vèse, \q1 e dwèt nou ak inikite. \q1 Lèv nou fin pale sa ki fo, \q1 e lang nou plenyen mechanste. \q1 \v 4 Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, \q1 ni ki fè plent ak entegrite. \q1 Yo mete konfyans nan vanite, \q1 e yo pale manti. \q1 Yo \x + \xo 59:4 \xo*\xt Job 15:35\xt*\x*simen mal e yo rekòlte mechanste. \q1 \v 5 Yo kale ze koulèv yo, \q1 e \x + \xo 59:5 \xo*\xt Job 8:14\xt*\x*trese fil arenye yo. \q1 Sila ki manje ze yo va mouri; \q1 e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt. \q1 \v 6 Fil pa yo p ap fè rad; \q1 ni zèv yo p ap ka \x + \xo 59:6 \xo*\xt És 28:20\xt*\x*kouvri yo. \q1 Zèv pa yo se zèv inikite, \q1 e se zak vyolans ki rete nan men yo. \q1 \v 7 \x + \xo 59:7 \xo*\xt Pwov 1:16\xt*\x*Pye pa yo kouri vè mal, \q1 e yo fè vit pou vèse san inosan an. \q1 Panse pa yo se panse inikite, \q1 e destriksyon ak dega sou chemen yo. \q1 \v 8 Yo pa konnen \x + \xo 59:8 \xo*\xt Luc 1:79\xt*\x*chemen lapè, \q1 e nanpwen jistis nan yo. \q1 Yo te fè wout kwochi; \q1 nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè. \b \q1 \v 9 Akoz sa, lajistis rete lwen nou, \q1 e ladwati pa fin rive sou nou. \q1 Nou espere jwenn limyè pou klere nou, \q1 men nou mache nan fènwa. \q1 \v 10 Nou \x + \xo 59:10 \xo*\xt Det 28:29\xt*\x*tatonnen akote mi an tankou moun avèg. \q1 Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo. \q1 Nou kilbite a midi konsi se nan aswè. \q1 Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri. \q1 \v 11 Epi nou tout \x + \xo 59:11 \xo*\xt És 38:14\xt*\x*gwonde tankou lous, \q1 e plenyen ak tristès kon toutrèl. \q1 Nou espere lajistis, men nanpwen; \q1 pou delivrans, men li lwen nou. \b \q1 \v 12 Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou, \q1 e \x + \xo 59:12 \xo*\xt És 3:9\xt*\x*peche nou yo temwaye kont nou. \q1 Paske transgresyon nou yo rete avèk nou \q1 e nou konnen inikite nou yo: \q1 \v 13 Nou fè rebèl e nou \x + \xo 59:13 \xo*\xt Jos 24:27\xt*\x*nye SENYÈ a. \q1 Nou vire kite Bondye nou an, \q1 ak pawòl opresyon ak rebèl. \q1 Nan kè a, nou fòmante \q1 e fè vin parèt pawòl manti. \q1 \v 14 \x + \xo 59:14 \xo*\xt És 1:21\xt*\x*Lajistis vin detounen \q1 e ladwati vin kanpe byen lwen. \q1 Paske verite a fin glise tonbe nan lari \q1 e ladwati p ap ka antre. \q1 \v 15 Wi, verite a manke; \q1 epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la, \q1 \x + \xo 59:15 \xo*\xt És 5:23\xt*\x*fin fè pwòp tèt li yon viktim. \b \q1 Alò, SENYÈ a te wè \q1 e sa pa t fè plezi devan zye L, \q1 ke pa t gen jistis. \q1 \v 16 Li te wè ke pa t gen pèsòn, \q1 e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede. \q1 Akoz sa a, \x + \xo 59:16 \xo*\xt Sòm 98:1\xt*\x*pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li, \q1 e ladwati Li te bay Li soutyen. \q1 \v 17 Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak, \q1 e ak \x + \xo 59:17 \xo*\xt Ef 6:17\xt*\x*kas sali a sou tèt Li. \q1 Li te mete vètman vanjans kon abiman, \q1 e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li. \q1 \v 18 \x + \xo 59:18 \xo*\xt Job 34:11\xt*\x*Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo: \q1 jijman ak kòlè a advèsè Li yo, \q1 rekonpans a lènmi Li yo; \q1 a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite. \q1 \v 19 Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès \q1 e glwa Li soti kote solèy leve a; \q1 paske Li va \x + \xo 59:19 \xo*\xt És 30:28\xt*\x*vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid. \q1 Se van SENYÈ a kap pouse l. \b \q1 \v 20 “Yon \x + \xo 59:20 \xo*\xt Wo 11:26\xt*\x*Redanmtè va vini nan Sion, \q1 e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a. \p \v 21 “Pou Mwen menm, sa se \x + \xo 59:21 \xo*\xt Jr 31:31-34\xt*\x*akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.” \c 60 \q1 \v 1 “Leve, briye; paske limyè ou fin parèt \q1 e \x + \xo 60:1 \xo*\xt És 24:23\xt*\x*glwa a SENYÈ a fin leve sou ou. \q1 \v 2 Paske gade byen, \x + \xo 60:2 \xo*\xt És 58:10\xt*\x*tenèb va kouvri latè \q1 e pwofon tenèb tout pèp yo. \q1 Men SENYÈ a va vin leve sou ou, \q1 e glwa li va parèt sou ou. \q1 \v 3 \x + \xo 60:3 \xo*\xt És 2:3\xt*\x*Nasyon yo va vin kote limyè ou a, \q1 e wa yo nan klète lè ou leve a. \b \q1 \v 4 \x + \xo 60:4 \xo*\xt És 11:12\xt*\x*“Leve zye ou toupatou e gade; \q1 yo tout rasanble ansanm; \q1 yo vin kote ou. \q1 Fis ou yo va vini soti lwen, \q1 e fi ou yo va pote nan bra yo. \q1 \v 5 Epi ou va wè, ou va \x + \xo 60:5 \xo*\xt Sòm 34:5\xt*\x*plen ak limyè; \q1 kè ou va kontan e ou va rejwi. \q1 Paske abondans lanmè a va vire vè ou; \q1 gran richès a nasyon yo va rive kote ou. \q1 \v 6 Anpil chamo va kouvri ou, \q1 jenn chamo a Madian ak Épha yo. \q1 Tout sila soti \x + \xo 60:6 \xo*\xt Jen 25:3\xt*\x*Séba yo va vini. \q1 Yo va pote lò ak lansan, \q1 e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a. \q1 \v 7 Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou. \q1 Belye a Nebajoth yo va sèvi ou; \q1 yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an, \q1 e Mwen va \x + \xo 60:7 \xo*\xt És 60:13\xt*\x*glorifye kay Mwen an \q1 ki plen lonè ak mayifisans. \b \q1 \v 8 \x + \xo 60:8 \xo*\xt És 49:21\xt*\x*“Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj \q1 ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo? \q1 \v 9 Anverite, peyi kot yo va tann Mwen; \q1 \x + \xo 60:9 \xo*\xt Sòm 48:7\xt*\x*gwo bato Tarsis yo va vini premyèman \q1 pou mennen fis ou yo soti lwen; \q1 ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a \q1 e pou Sila Ki Sen an Israël la, \q1 akoz Li te bay ou glwa. \b \q1 \v 10 \x + \xo 60:10 \xo*\xt És 14:1-2\xt*\x*“Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo, \q1 epi wa pa yo va fè sèvis pa yo. \q1 Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou \q1 e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd. \q1 \v 11 \x + \xo 60:11 \xo*\xt És 26:2\xt*\x*Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan; \q1 yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit, \q1 pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo, \q1 ak wa yo kon kaptif. \q1 \v 12 Paske \x + \xo 60:12 \xo*\xt És 14:2\xt*\x*nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri; \q1 wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt. \b \q1 \v 13 “Glwa a Liban an va rive kote ou, \q1 bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan \q1 pou anbeli plas sanktyè Mwen an. \q1 Mwen va fè \x + \xo 60:13 \xo*\xt I Kwo 28:2\xt*\x*plas pye Mwen yo vin plen glwa. \q1 \v 14 \x + \xo 60:14 \xo*\xt És 14:1-2\xt*\x*Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou \q1 e tout sila ki te meprize ou yo \q1 va bese yo menm devan pla pye ou. \q1 Yo va rele ou vil SENYÈ a, \q1 Sion a Sila Ki Sen an Israël la. \b \q1 \v 15 “Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann, \q1 Mwen va fè ou \x + \xo 60:15 \xo*\xt És 4:2\xt*\x*vin plen ak majeste, \q1 yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon. \q1 \v 16 Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo, \q1 e ou va souse tete a wa yo. \q1 Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, \q1 se \x + \xo 60:16 \xo*\xt És 19:20\xt*\x*Sovè ou e Redanmtè ou, \q1 Sila Ki Pwisan a Jacob la. \q1 \v 17 Olye bwonz, Mwen va pote lò; \q1 olye fè, Mwen va pote ajan; \q1 olye bwa, Mwen va pote bwonz \q1 e olye wòch, Mwen va pote fè. \q1 Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou \q1 e ladwati kon konseye ou. \q1 \v 18 \x + \xo 60:18 \xo*\xt És 54:14\xt*\x*Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou, \q1 ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou; \q1 men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”. \q1 \v 19 Ou p ap sèvi \x + \xo 60:19 \xo*\xt Rev 21:23\xt*\x*solèy la pou limyè lajounen ankò, \q1 ni klate lalin a nan pou ba ou limyè; \q1 men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl \q1 e Bondye ou kon glwa ou. \q1 \v 20 \x + \xo 60:20 \xo*\xt És 30:26\xt*\x*Solèy ou p ap bese ankò, \q1 ni lalin nan p ap febli; \q1 paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl \q1 e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini. \q1 \v 21 Epi tout moun ou yo va dwat, \q1 Yo va \x + \xo 60:21 \xo*\xt Sòm 37:11-22\xt*\x*posede peyi a jis pou tout tan; \q1 branch ke M te plante a, zèv a men M yo, \q1 pou M kapab resevwa glwa. \q1 \v 22 Pi piti a va devni yon gran pèp \q1 e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan. \q1 Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.” \c 61 \q1 \v 1 \x + \xo 61:1 \xo*\xt Mat 11:5\xt*\x*Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, \q1 akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. \q1 Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, \q1 pou pwoklame libète a kaptif yo \q1 e delivrans a prizonye yo; \q1 \v 2 pou \x + \xo 61:2 \xo*\xt És 49:8\xt*\x*pwoklame lane gras SENYÈ a \q1 e jou a vanjans Bondye nou an; \q1 pou konsole tout moun ak kè ki tris, \q1 \v 3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo; \q1 pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo, \q1 ak \x + \xo 61:3 \xo*\xt Sòm 23:5\xt*\x*lwil kè kontan pou ranplase tristès la, \q1 ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a. \q1 Konsa, yo va rele pye chenn ladwati, \q1 yon plantasyon SENYÈ a, \q1 pou Li kapab resevwa glwa. \b \q1 \v 4 Yo va \x + \xo 61:4 \xo*\xt És 49:8\xt*\x*rebati ansyen mazi yo, \q1 yo va fè leve wo sa ki te kraze depi lontan yo. \q1 Yo va repare vil ki te detwi yo, \q1 dezolasyon de anpil jenerasyon yo. \q1 \v 5 \x + \xo 61:5 \xo*\xt És 14:2\xt*\x*Etranje yo va kanpe pou okipe bann mouton nou yo, \q1 e pitit a etranje yo va kiltivatè tè nou, \q1 ak chan rezen nou yo. \q1 \v 6 Men nou va rele kon \x + \xo 61:6 \xo*\xt És 66:21\xt*\x*prèt SENYÈ a; \q1 Lèzòm va rele nou sèvitè yo a Bondye nou an. \q1 Nou va manje richès a nasyon yo, \q1 e nan richès pa yo, nou va vante tèt nou. \q1 \v 7 Olye de wont nou, \x + \xo 61:7 \xo*\xt És 40:2\xt*\x*nou va gen yon pòsyon doub; \q1 olye de imilyasyon, yo va rele ak lajwa sou pòsyon pa yo. \q1 Akoz sa, yo va posede yon pòsyon doub nan peyi yo; \q1 lajwa etènèl la va pou yo. \q1 \v 8 Paske Mwen, SENYÈ a, \x + \xo 61:8 \xo*\xt És 5:16\xt*\x*renmen lajistis; \q1 Mwen rayi vòl ak malfezans. \q1 Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo, \q1 e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. \q1 \v 9 Desandan pa yo va rekonèt pami nasyon yo, \q1 e posterite yo nan mitan a tout pèp yo. \q1 Tout moun ki wè yo va rekonèt yo, \q1 akoz yo se \x + \xo 61:9 \xo*\xt És 44:3\xt*\x*desandan ke SENYÈ a te beni yo. \b \q1 \v 10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; \q1 nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, \q1 paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. \q1 Li te vlope m nan yon manto ladwati, \q1 tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; \q1 e tankou yon \x + \xo 61:10 \xo*\xt Rev 21:2\xt*\x*jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou. \q1 \v 11 Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la, \q1 jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi, \q1 konsa Senyè BONDYE a va fè \x + \xo 61:11 \xo*\xt Sòm 72:3\xt*\x*ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo. \c 62 \q1 \v 1 Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans \q1 e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl, \q1 jiskaske \x + \xo 62:1 \xo*\xt És 1:26\xt*\x*ladwati li vin parèt tankou gran limyè \q1 e sali li tankou yon tòch k ap brile. \q1 \v 2 \x + \xo 62:2 \xo*\xt És 60:3\xt*\x*Nasyon yo va wè ladwati ou \q1 e tout wa yo glwa ou. \q1 Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay. \q1 \v 3 Anplis, ou va yon \x + \xo 62:3 \xo*\xt És 28:5\xt*\x*kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a , \q1 e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a. \q1 \v 4 Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”, \q1 ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”; \q1 men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: \x + \xo 62:4 \xo*\xt Os 2:19-20\xt*\x*“Marye”. \q1 Paske SENYÈ a pran plezi nan ou \q1 e a Li menm, peyi ou va marye. \q1 \v 5 Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj, \q1 konsa fis ou yo va marye avèk ou; \q1 epi menm jan jennonm maryaj la \q1 ap rejwi ak jenn fi maryaj la, \q1 konsa \x + \xo 62:5 \xo*\xt És 65:19\xt*\x*Bondye ou a va rejwi ak ou. \b \q1 \v 6 Sou miray ou yo, O Jérusalem, \q1 Mwen te plase \x + \xo 62:6 \xo*\xt És 52:8\xt*\x*gadyen yo. \q1 Tout lajounen ak tout lannwit, \q1 yo p ap janm rete an silans. \q1 Nou menm ki raple SENYÈ a, \q1 pa pran repo pou tèt nou; \q1 \v 7 ni pa bay Li repo jiskaske Li etabli \q1 e fè \x + \xo 62:7 \xo*\xt És 60:18\xt*\x*Jérusalem yon lwanj sou tout tè a. \b \q1 \v 8 \x + \xo 62:8 \xo*\xt És 45:23\xt*\x*SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li \q1 e pa men pwisan Li: \q1 “Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò \q1 kon manje pou lènmi ou yo; \q1 ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf \q1 pou sila ou te depanse fòs ou a.” \q1 \v 9 Men sila ki \x + \xo 62:9 \xo*\xt És 65:13-23\xt*\x*ranmase li, \q1 se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a. \q1 Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou \q1 sanktiyè pa Mwen an. \b \q1 \v 10 Antre ladann, antre nan pòtay yo! \q1 Netwaye chemen an pou pèp la! \q1 \x + \xo 62:10 \xo*\xt És 57:14\xt*\x*Bati, bati chemen an! \q1 Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo. \q1 \v 11 Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a: \q1 “Di a fi Sion an: ‘Men \x + \xo 62:11 \xo*\xt És 51:5\xt*\x*sali ou a rive! \q1 Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’” \q1 \v 12 Konsa, yo va rele yo: \x + \xo 62:12 \xo*\xt Det 7:6\xt*\x*“Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”. \q1 Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a, \q1 Yon Vil Ki Pa Abandone.” \c 63 \q1 \v 1 Se kilès sa ki sòti Edom an, \q1 avèk vètman Botsra byen kolore a? \q1 Kilès sila a, ak abiman majeste Li, \q1 k ap mache nan grandè ak fòs li a? \q1 “Se Mwen menm ki pale nan ladwati, \q1 \x + \xo 63:1 \xo*\xt So 3:17\xt*\x*ki pwisan pou delivre a.” \q1 \v 2 Poukisa abiman Ou wouj \q1 e vètman Ou tankou sila \q1 k ap \x + \xo 63:2 \xo*\xt Rev 19:13-15\xt*\x*mache nan kivèt diven an? \b \q1 \v 3 “Mwen te foule nan kivèt diven an sèl, \q1 Pami pèp yo, pa t gen moun avè M. \q1 Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen, \q1 e Mwen te \x + \xo 63:3 \xo*\xt Mi 7:10\xt*\x*mache kraze yo nan kòlè Mwen an. \q1 Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen \q1 e Mwen te tache tout vètman Mwen yo. \q1 \v 4 Paske \x + \xo 63:4 \xo*\xt És 34:8\xt*\x*jou vanjans lan te nan kè M; \q1 e ane racha a M yo rive. \q1 \v 5 Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede; \q1 Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen. \q1 Akoz sa \x + \xo 63:5 \xo*\xt Sòm 44:3\xt*\x*pwòp bra M te pote Sali Mwen \q1 e kòlè Mwen te fè M kanpe. \q1 \v 6 Mwen \x + \xo 63:6 \xo*\xt És 22:5\xt*\x*te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen; \q1 Mwen te fè yo sou nan kòlè Mwen. \q1 Mwen te vide san lavi yo sou tè a.” \b \q1 \v 7 Mwen va pale de \x + \xo 63:7 \xo*\xt Sòm 25:6\xt*\x*lanmou dous SENYÈ a, \q1 ak lwanj SENYÈ a. \q1 Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou, \q1 ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo, \q1 selon labondans konpasyon li, \q1 epi selon gran mizerikòd Li. \q1 \v 8 Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen, \q1 fis ki p ap aji nan manti.” \q1 Pou sa, Li te devni \x + \xo 63:8 \xo*\xt És 60:16\xt*\x*Sovè yo. \q1 \v 9 Nan tout afliksyon yo, \x + \xo 63:9 \xo*\xt Jij 10:16\xt*\x*Li te aflije \q1 e zanj a prezans Li an te sove yo. \q1 Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, \q1 Li te rachte yo. \q1 Li te leve yo, e te pote yo \q1 pandan tout ansyen jou yo. \b \q1 \v 10 Men yo te fè rebèl \q1 e konsa, yo te fè \x + \xo 63:10 \xo*\xt Sòm 51:11\xt*\x*Lespri Sen Li an vin tris. \q1 Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; \q1 Li te goumen kont yo pou kont Li. \b \q1 \v 11 Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yo \q1 ak Moïse e pèp Li. \q1 Li te di “Kote Li, Sila ki te fè yo monte sòti nan lanmè \q1 ak bèje a bann mouton Li yo? \q1 Kote Li, Sila ki te \x + \xo 63:11 \xo*\xt Nonb 11:17-29\xt*\x*mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?” \q1 \v 12 Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la? \q1 Ki te \x + \xo 63:12 \xo*\xt Egz 14:21-22\xt*\x*divize dlo yo devan yo \q1 pou fè pou pwòp tèt Li \q1 yon non ki ta dire pou tout tan? \q1 \v 13 Ki te mennen yo atravè fon yo \q1 tankou cheval nan dezè a, \q1 pou yo pa \x + \xo 63:13 \xo*\xt Jr 31:9\xt*\x*chape tonbe? \q1 \v 14 Tankou bèt ki te desann nan vale yo, \q1 Lespri SENYÈ a te bay yo repo. \q1 Konsa, Ou te \x + \xo 63:14 \xo*\xt Det 32:12\xt*\x*mennen pèp Ou a \q1 pou fè pou Ou yon non ki plen laglwa. \b \q1 \v 15 Gade anba depi nan syèl la \q1 e wè soti nan abitasyon sen Ou \q1 ki plen ak glwa Ou. \q1 Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo? \q1 Santiman a kè ou ak konpasyon Ou \q1 te vin anpeche de mwen. \q1 \v 16 Paske Ou se \x + \xo 63:16 \xo*\xt És 1:2\xt*\x*Papa nou, \q1 malgre Abraham pa rekonèt nou, \q1 ni Israël pa rekonèt nou. \q1 Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou, \q1 Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou. \q1 \v 17 Poukisa, O SENYÈ, Ou \x + \xo 63:17 \xo*\xt És 30:28\xt*\x*fè nou egare kite chemen Ou yo? \q1 E te fè kè nou di pou nou pa gen lakrent Ou? \q1 Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen. \q1 \v 18 Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan; \q1 advèsè nou yo te \x + \xo 63:18 \xo*\xt Sòm 74:3-7\xt*\x*foule li ba nèt. \q1 \v 19 Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo, \q1 tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo. \c 64 \q1 \v 1 O ke Ou ta chire syèl yo, \q1 ke Ou ta desann, \q1 ke mòn yo ta \x + \xo 64:1 \xo*\xt Jij 5:5\xt*\x*tranble devan prezans Ou— \q1 \v 2 tankou dife anflame touf bwa chan an, \q1 tankou dife fè dlo bouyi. \q1 Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo, \q1 pou \x + \xo 64:2 \xo*\xt Sòm 99:1\xt*\x*nasyon yo ka tranble devan prezans Ou! \q1 \v 3 Kon lè Ou te fè \x + \xo 64:3 \xo*\xt Sòm 65:5\xt*\x* bagay mèvèy ke nou pa t prevwa yo; \q1 Ou te desann. \q1 Mòn yo te tranble devan prezans Ou. \q1 \v 4 Depi nan jou ansyen yo, \x + \xo 64:4 \xo*\xt I Kor 2:9\xt*\x*yo pa t tande ni sezi ak zorèy, \q1 ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou, \q1 k ap aji pou sila k ap tann Li an. \q1 \v 5 Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat, \q1 ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo. \q1 Gade byen, \x + \xo 64:5 \xo*\xt És 12:1\xt*\x*Ou te fache paske nou te peche, \q1 nou te kontinye nan peche pandan anpil tan. \q1 Èske nou va sove? \q1 \v 6 Paske nou tout te vini tankou yon moun ki pa pwòp. \q1 Tout \x + \xo 64:6 \xo*\xt És 46:12\xt*\x*zèv ladwati nou yo tankou yon rad ki sal nèt; \q1 konsa, nou tout vin fennen kon yon fèy, \q1 e inikite nou yo tankou van, pote nou ale. \q1 \v 7 Nanpwen moun ki rele non Ou, \q1 ki leve pou atache a Ou menm; \q1 paske Ou te \x + \xo 64:7 \xo*\xt Det 31:18\xt*\x*kache figi Ou a nou menm \q1 e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo. \b \q1 \v 8 Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, \q1 nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; \q1 nou tout se \x + \xo 64:8 \xo*\xt Sòm 100:3\xt*\x*zèv men Ou yo. \q1 \v 9 Pa vin fache depase, O SENYÈ, \q1 \x + \xo 64:9 \xo*\xt És 43:25\xt*\x*ni sonje inikite nou yo pou tout tan. \q1 Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a. \q1 \v 10 \x + \xo 64:10 \xo*\xt És 48:2\xt*\x*Vil sen Ou yo te vin yon dezè; \q1 Sion te vin yon dezè, \q1 Jérusalem yon kote dezole. \q1 \v 11 \x + \xo 64:11 \xo*\xt II Wa 25:9\xt*\x*Bèl kay sen nou an, \q1 kote papa nou yo te ba Ou lwanj yo, \q1 te brile ak dife; \q1 epi tout bagay ki te chè a nou menm te vin kraze nèt. \q1 \v 12 Èske Ou va \x + \xo 64:12 \xo*\xt Sòm 74:10\xt*\x*ralanti Ou menm, devan bagay sa yo, O SENYÈ? \q1 Èske Ou va rete an silans e bannou lapèn ki depase mezi a? \c 65 \q1 \v 1 “Mwen te chache pa \x + \xo 65:1 \xo*\xt Wo 9:24-26\xt*\x*sila \q1 ki pa t mande pou Mwen yo; \q1 Mwen te twouve pa sila \q1 ki pa t chache M. \q1 Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’ \q1 a yon nasyon ki pa t rele non Mwen. \q1 \v 2 \x + \xo 65:2 \xo*\xt Wo 10:21\xt*\x*Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl, \q1 ki mache nan chemen ki pa bon, \q1 k ap swiv pwòp panse pa yo, \q1 \v 3 Yon pèp ki \x + \xo 65:3 \xo*\xt Job 1:11\xt*\x*pwovoke M tout tan nan figi M, \q1 k ap ofri sakrifis nan jaden yo \q1 e k ap brile lansan sou brik yo; \q1 \v 4 ki chita nan mitan tonm yo \q1 e ki pase nwit lan kote kache yo; \q1 ki \x + \xo 65:4 \xo*\xt Lev 11:7\xt*\x*manje chè kochon, \q1 ak soup fèt ak sa ki pa pwòp. \q1 \v 5 Ki di: \x + \xo 65:5 \xo*\xt Mat 9:11\xt*\x*‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen; \q1 mwen pi sen pase ou’! \q1 Sila yo se lafimen nan nen Mwen, \q1 yon dife ki brile tout lajounen. \b \q1 \v 6 “Gade byen, li ekri devan Mwen: \q1 Mwen p ap rete an silans, \q1 men \x + \xo 65:6 \xo*\xt Jr 16:18\xt*\x*Mwen va bay rekonpans; \q1 Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo, \q1 \v 7 ni pou pwòp inikite pa yo \q1 ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a. \q1 “Akoz yo te brile lansan sou mòn yo \q1 e te moke M sou kolin yo; \q1 pou sa, Mwen va \x + \xo 65:7 \xo*\xt Jr 5:29\xt*\x*mezire zèv yo te fè, \q1 jis rive nan lestonmak yo.” \b \q1 \v 8 Konsa pale SENYÈ a; \q1 “Menm jan divin tounèf twouve nan yon grap rezen, \q1 e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’: \q1 konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo, \q1 pou M \x + \xo 65:8 \xo*\xt És 1:9\xt*\x*pa detwi yo tout. \q1 \v 9 Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo \q1 e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. \q1 Menm \x + \xo 65:9 \xo*\xt És 57:13\xt*\x*chwazi pa M yo va eritye l \q1 e sèvitè Mwen yo va demere la. \q1 \v 10 Saron va yon peyi ki fè patiraj \q1 pou bann mouton yo, \q1 e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze, \q1 pou pèp Mwen ki \x + \xo 65:10 \xo*\xt És 51:1\xt*\x*chache Mwen an. \b \q1 \v 11 “Men nou menm ki \x + \xo 65:11 \xo*\xt Det 29:24-25\xt*\x*abandone SENYÈ a, \q1 ki bliye mòn sen Mwen an, \q1 ki ranje yon tab pou Gran Chans, \q1 ki plen tas ak diven mele pou Desten an; \q1 \v 12 Mwen va ranje desten nou ak nepe, \q1 e nou tout va bese devan masak la. \q1 Akoz Mwen te rele nou, men nou \x + \xo 65:12 \xo*\xt II Kwo 36:15-16\xt*\x*pa t reponn; \q1 Mwen te pale, men nou pa t tande. \q1 Epi nou te fè mal devan zye M, \q1 e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.” \q1 \v 13 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: \q1 “Gade byen, sèvitè Mwen yo va \x + \xo 65:13 \xo*\xt És 1:19\xt*\x*manje, \q1 men nou va rete grangou. \q1 Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè, \q1 men nou va rete swaf. \q1 Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi, \q1 men nou va twouve gwo wont. \q1 \v 14 Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, \q1 men nou va \x + \xo 65:14 \xo*\xt És 13:6\xt*\x*kriye fò ak yon kè plen doulè, \q1 e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt. \q1 \v 15 Ou va kite non nou kon yon malediksyon \q1 a moun chwazi pa Mwen yo, \q1 e Senyè BONDYE a va touye nou. \q1 Li va rele sèvitè Li yo pa yon \x + \xo 65:15 \xo*\xt És 62:2\xt*\x*lòt non. \q1 \v 16 Paske sila ki beni sou tè a, \q1 va beni pa \x + \xo 65:16 \xo*\xt Egz 34:6\xt*\x*Bondye verite a; \q1 epi sila ki sèmante nan tout tè a, \q1 va sèmante pa Bondye verite a; \q1 paske ansyen twoub yo fin bliye \q1 e paske yo kache devan zye M.” \b \q1 \v 17 Paske gade byen, \q1 Mwen va kreye yon \x + \xo 65:17 \xo*\xt És 66:22\xt*\x*syèl tounèf, \q1 ak yon tè tounèf; \q1 epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò, \q1 ni p ap menm antre nan panse. \q1 \v 18 Men \x + \xo 65:18 \xo*\xt Sòm 98\xt*\x*fè kè kontan e rejwi nou \q1 jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo; \q1 paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans, \q1 e pèp li a pou kè kontan. \q1 \v 19 Anplis, Mwen va \x + \xo 65:19 \xo*\xt És 62:4-5\xt*\x*rejwi de Jérusalem. \q1 Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an. \q1 Epi p ap tande ankò nan li \q1 vwa kriye ak son moun k ap kriye. \b \q1 \v 20 “P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou, \q1 ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo; \q1 paske jenn yo va mouri nan laj santan \q1 e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi. \q1 \v 21 Yo va \x + \xo 65:21 \xo*\xt És 32:18\xt*\x*bati kay yo pou yo viv ladann; \q1 anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo. \q1 \v 22 Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann, \q1 yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje. \q1 Paske \x + \xo 65:22 \xo*\xt Sòm 92:12-14\xt*\x*kon lavi a yon pyebwa, se konsa \q1 jou a pèp Mwen an va ye, \q1 e moun chwazi pa M yo va gen tan \q1 rejwi nan pwòp zèv men yo. \q1 \v 23 Yo \x + \xo 65:23 \xo*\xt Det 28:3-12\xt*\x*p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè; \q1 paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a, \q1 e anplis, desandan yo, menm jan. \q1 \v 24 Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn; \q1 epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va \x + \xo 65:24 \xo*\xt Sòm 91:15\xt*\x*tande. \q1 \v 25 \x + \xo 65:25 \xo*\xt És 11:6\xt*\x*Lou ak ti mouton va manje ansanm. \q1 Lyon an va manje pay kon bèf. \q1 Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an. \q1 Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,” \q1 di SENYÈ a. \c 66 \p \v 1 Konsa pale SENYÈ a: \q1 \x + \xo 66:1 \xo*\xt I Wa 8:27\xt*\x*“Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M. \q1 Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen? \q1 Epi ki kote pou M ta ka repoze? \q1 \v 2 Paske se \x + \xo 66:2 \xo*\xt És 40:26\xt*\x*men M ki te fè tout bagay sa yo; \q1 se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. \q1 “Men, anvè sila Mwen va gade; \q1 sila ki enb ak kè ki repanti a, \q1 e ki tranble devan pawòl Mwen yo. \q1 \v 3 Men sila ki touye yon bèf la, \q1 li tankou sila ki touye yon moun nan; \q1 sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, \q1 li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; \q1 sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; \q1 sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. \q1 Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, \q1 e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo. \q1 \v 4 Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo, \q1 e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a. \q1 Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn; \q1 Mwen te pale, men yo pa t koute, \q1 men se \x + \xo 66:4 \xo*\xt II Wa 21:2-6\xt*\x*mal yo te fè devan zye M, \q1 e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.” \b \q1 \v 5 Tande pawòl SENYÈ a, \q1 nou menm ki tranble devan pawòl Li yo: \q1 “Frè nou ki rayi nou yo, ki \x + \xo 66:5 \xo*\xt Mat 5:10-12\xt*\x*rejte nou akoz non Mwen, \q1 Yo te di: \q1 ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa, \q1 pou nou ka wè nou fè kè kontan.’ \q1 Men sila yo k ap wont. \q1 \v 6 Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la, \q1 yon vwa soti nan tanp lan; \q1 vwa a SENYÈ la k ap \x + \xo 66:6 \xo*\xt És 59:18\xt*\x*rann rekonpans a lènmi Li yo. \b \q1 \v 7 “Avan fi a gen doulè, li te anfante; \q1 avan gwo doulè a te rive li, \x + \xo 66:7 \xo*\xt Rev 12:5\xt*\x*li te fè yon gason. \q1 \v 8 Se \x + \xo 66:8 \xo*\xt És 64:4\xt*\x*kilès ki te tande yon koze konsa a? \q1 Kilès ki te wè yon bagay konsa? \q1 Èske yon peyi kapab fèt nan yon sèl jou? \q1 Èske yon nasyon ka vin parèt nan yon enstan? \q1 La menm Sion te vin gen doulè, \q1 li te fè fis li yo vin parèt. \q1 \v 9 Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an, \q1 pou mwen \x + \xo 66:9 \xo*\xt És 37:3\xt*\x*pa livre pitit la?” pale SENYÈ a. \q1 “Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a, \q1 ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an. \b \q1 \v 10 “Fè \x + \xo 66:10 \xo*\xt Det 32:43\xt*\x*kè kontan ak Jérusalem, \q1 e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo. \q1 Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo, \q1 \v 11 pou nou kapab souse e \x + \xo 66:11 \xo*\xt És 49:23\xt*\x*jwenn satisfaksyon nan tete li, \q1 pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.” \b \q1 \v 12 Paske konsa pale SENYÈ a: \q1 “Gade byen, Mwen lonje bay fi a \x + \xo 66:12 \xo*\xt Sòm 72:3-7\xt*\x*lapè tankou yon rivyè \q1 e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde. \q1 Nou va vin pran tete, \q1 nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou. \q1 \v 13 Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l, \q1 se konsa Mwen va \x + \xo 66:13 \xo*\xt És 12:1\xt*\x*rekonfòte nou; \q1 epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.” \b \q1 \v 14 Nou va wè sa; \q1 \x + \xo 66:14 \xo*\xt Za 10:7\xt*\x*kè nou va kontan e zo nou \q1 va fleri tankou zèb vèt tounèf. \q1 Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo; \q1 men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo. \b \q1 \v 15 Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife, \q1 e \x + \xo 66:15 \xo*\xt Sòm 68:17\xt*\x*cha Li yo va tankou van toubiyon. \q1 Li va rann kòlè Li ak gwo raj \q1 e repwòch Li ak flanm dife. \q1 \v 16 Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak \x + \xo 66:16 \xo*\xt És 30:30\xt*\x*dife \q1 e avèk nepe Li sou tout chè; \q1 e sila ki va touye pa nepe yo va anpil. \p \v 17 “Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann \x + \xo 66:17 \xo*\xt És 1:28-31\xt*\x*nèt”, deklare SENYÈ a. \v 18 “Paske Mwen konnen zèv yo ak \x + \xo 66:18 \xo*\xt És 59:7\xt*\x*panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen. \v 19 Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va \x + \xo 66:19 \xo*\xt I Kwo 16:24\xt*\x*deklare glwa Mwen pami nasyon yo. \v 20 Yo va \x + \xo 66:20 \xo*\xt És 43:6\xt*\x*mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a. Yo va vini sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, di SENYÈ a. “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a. \v 21 Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon \x + \xo 66:21 \xo*\xt Egz 19:6\xt*\x*prèt ak Levit”, SENYÈ a di. \p \v 22 “Paske menm jan ke \x + \xo 66:22 \xo*\xt És 65:17\xt*\x*syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt. \v 23 Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène \x + \xo 66:23 \xo*\xt És 19:21-23\xt*\x*devan Mwen,” SENYÈ a di. \v 24 “Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske \x + \xo 66:24 \xo*\xt És 14:11\xt*\x*vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”