\id HOS \ide UTF-8 \h Osée \toc1 OSÉE \toc2 Osée \toc3 Os \mt1 OSÉE \c 1 \p \v 1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la. \p \v 2 Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske \x + \xo 1:2 \xo*\xt Det 31:16 \xt*\x*peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.” \p \v 3 Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li. \p \v 4 Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non \x + \xo 1:4 \xo*\xt Os 2:22\xt*\x*Jizreel; paske deja nan yon ti tan \x + \xo 1:4 \xo*\xt II Wa 10:11 \xt*\x*mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini. \v 5 Nan jou sa a, Mwen va \x + \xo 1:5 \xo*\xt Jr 49:35 \xt*\x*kraze banza Israël la nan \x + \xo 1:5 \xo*\xt Jos 17:16\xt*\x*vale Jizreel la.” \p \v 6 Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap \x + \xo 1:6 \xo*\xt Os 2:4 \xt*\x*fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo. \v 7 Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va \x + \xo 1:7 \xo*\xt Jr 25:5,6\xt*\x*delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa \x + \xo 1:7 \xo*\xt Sòm 44:3-7 \xt*\x*banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.” \p \v 8 Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis. \p \v 9 Epi SENYÈ a te di: “Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou.” \v 10 Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men \x + \xo 1:10 \xo*\xt Wo 9:26; És 65:1 \xt*\x*nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’ \v 11 Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jr 23:5,6\xt*\x*rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jr 30:21 \xt*\x*yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran. \c 2 \p \v 1 “Di a frè ou a ‘Pèp mwen yo’! \q1 Epi a sè ou yo, ‘Byen ame mwen an!’ \q1 \v 2 Rebike manman ou! \q1 Rebike, paske li pa madanm mwen; \q1 ni mwen pa mari li. \q1 Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li, \q1 ak adiltè li yo soti antre tete li yo; \q1 \v 3 sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt \q1 toutouni menm jan ak \x + \xo 2:3 \xo*\xt Éz 16:4\xt*\x*jou li te fèt la; \q1 pou \x + \xo 2:3 \xo*\xt És 32:13,14\xt*\x* fè l vin tankou yon peyi dezè \q1 e touye li ak swaf. \q1 \v 4 Anplis, Mwen p ap fè mizerikòd sou pitit li yo, \q1 akoz yo se \x + \xo 2:4 \xo*\xt Jr 13:14 \xt*\x*pitit a pwostitiye. \q1 \v 5 Paske manman yo te fè pwostitisyon. \q1 Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: \q1 ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, \q1 ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, \q1 lwil ak bwason mwen.’ \q1 \v 6 Akoz sa, Mwen va fè monte yon kloti pikan, \q1 e Mwen va bati yon mi kont li \q1 pou l pa ka twouve ti wout li yo. \q1 \v 7 Li va kouri dèyè moun ki renmen li yo, \q1 men li p ap ka rive sou yo. \q1 Li va chache yo, men li p ap jwenn yo. \q1 Konsa li va di: ‘M ap prale retounen \q1 kote premye mari Mwen an, \q1 paske lè sa a te pi bon pou mwen pase koulye a.’ \q1 \v 8 Paske li \x + \xo 2:8 \xo*\xt És 1:3 \xt*\x*pa t konnen ke se te \x + \xo 2:8 \xo*\xt Éz 16:19\xt*\x*Mwen \q1 ki te bay li sereyal la, \q1 diven nèf ak lwil la, \q1 e ki te bay li anpil lò ak ajan \q1 ke yo te fè sèvi pou Baal yo. \q1 \v 9 Akoz sa, Mwen va \x + \xo 2:9 \xo*\xt Os 8:7\xt*\x*reprann \q1 sereyal Mwen an nan lè rekòlt la \q1 ak diven Mwen an nan sezon li an. \q1 Mwen va, anplis, retire lenn Mwen an \q1 ak len Ki te pou kouvri pou li pa t toutouni an. \q1 \v 10 Konsa, Mwen va \x + \xo 2:10 \xo*\xt Éz 16:37\xt*\x*dekouvri wont li devan zye \q1 a tout moun ki renmen li yo, \q1 e pèsòn p ap mande fè l soti nan men Mwen. \q1 \v 11 Anplis, Mwen va \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jr 7:34 \xt*\x*mete fen a tout kè kontan l; \q1 \x + \xo 2:11 \xo*\xt Os 3:4\xt*\x*fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a, \q1 ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo. \q1 \v 12 Mwen va detwi pye rezen li yo \q1 ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di: \q1 ‘Sa yo se salè mwen, \q1 ke moun ki renmen m yo te ban mwen.’ \q1 Mwen va \x + \xo 2:12 \xo*\xt És 5:5\xt*\x*fè yo tounen yon rakbwa, \q1 e bèt chan va devore yo. \q1 \v 13 Mwen va pini li pou jou Baal yo, \q1 kote li te brile lasan nan, \q1 lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo, \q1 pou l swiv moun ki renmen li yo, \q1 epi te\x + \xo 2:13 \xo*\xt Os 4:6 \xt*\x*bliye Mwen” deklare SENYÈ a. \q1 \v 14 Pou sa, gade byen, \q1 Mwen va atire li \x + \xo 2:14 \xo*\xt Éz 20:33-38 \xt*\x*mennen li \q1 antre nan dezè a pou pale dous avèk li. \q1 \v 15 Epi soti la, Mwen va bay li \x + \xo 2:15 \xo*\xt Jos 7:26\xt*\x*chan rezen yo, \q1 ak Vale Akò a kon yon pòt espwa. \q1 Li va reponn la tankou nan jou jenès li yo, \q1 tankou nan jou lè l te vin monte \q1 soti nan peyi Égypte la. \q1 \v 16 Li va vin rive nan jou sa a”, \q1 deklare SENYÈ a, \q1 “ke ou va rele Mwen: \x + \xo 2:16 \xo*\xt És 54:5\xt*\x* ‘Mari mwen’ \q1 e ou p ap rele M ankò: ‘Met mwen’. \q1 \v 17 Paske \x + \xo 2:17 \xo*\xt Egz 23:13\xt*\x*Mwen va retire non a Baal yo soti nan bouch li, \q1 pou yo pa nonmen pa non yo ankò. \q1 \v 18 Nan jou sa a, anplis, Mwen va fè yon Akò \q1 pou yo ak \x + \xo 2:18 \xo*\xt Job 5:23 \xt*\x*bèt chan yo, \q1 zwazo syèl yo ak sa ki trennen atè yo. \q1 Mwen va \x + \xo 2:18 \xo*\xt És 2:4\xt*\x*aboli banza, nepe ak lagè soti nant peyi a, \q1 e Mwen va fè yo kouche dòmi ansekirite. \q1 \v 19 Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan. \q1 Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis, \q1 nan lanmou dous ak konpasyon.\x + \xo 2:19 \xo*\xt És 1:27\xt*\x* \q1 \v 20 Epi Mwen va fè ou renmen M nan fidelite. \q1 Nan lè sa a, ou va konnen SENYÈ a.\x + \xo 2:20 \xo*\xt Jr 31:33,34\xt*\x* \q1 \v 21 “Li va vin rive nan jou sa a ke \x + \xo 2:21 \xo*\xt És 55:10\xt*\x* Mwen va reponn”, \q1 deklare SENYÈ a. \q1 “Mwen va reponn a syèl yo, \q1 e yo va reponn a tè a. \q1 \v 22 Epi \x + \xo 2:22 \xo*\xt Jr 31:12\xt*\x*Latè va reponn a sereyal la, \q1 diven nèf ak lwil la; \q1 epi yo va reponn a Jizreel. \q1 \v 23 Mwen va simen li kote M nan tè a, \q1 Mwen va genyen mizerikòd pou li, \q1 fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la. \q1 Konsa, \x + \xo 2:23 \xo*\xt Wo 9:25\xt*\x*Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an: \q1 ‘Ou se pèp Mwen an!’ \q1 Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’” \c 3 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan \x + \xo 3:1 \xo*\xt Jr 3:20 \xt*\x*ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.” \p \v 2 Konsa, mwen te \x + \xo 3:2 \xo*\xt Rt 4:10 \xt*\x*achte fanm nan pou yon sòm a kenz pyès ajan ak yon omè edmi lòj. \v 3 Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.” \x + \xo 3:3 \xo*\xt Det 21:13\xt*\x* \p \v 4 Paske, fis Israël yo va \x + \xo 3:4 \xo*\xt Os 10:3\xt*\x*rete pandan anpil jou san wa ni prens, san \x + \xo 3:4 \xo*\xt Dan 9:27 \xt*\x*sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo. \v 5 Apre sa, fis Israël yo va retounen chache SENYÈ Bondye yo a, ak \x + \xo 3:5 \xo*\xt Jr 30:9 \xt*\x*David, wa yo a. Yo va vini avèk krentif kote SENYÈ a e kote bonte Li nan dènye jou yo. \c 4 \p \v 1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, \q1 paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: \q1 Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.\x + \xo 4:1 \xo*\xt Os 12:2; És 59:4\xt*\x* \q1 \v 2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans, \q1 asasine moun, vòlè, fè adiltè. \q1 Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san, \q1 e vèse san fè san vèse plis.\x + \xo 4:2 \xo*\xt Jen 4:8; Det 5:18\xt*\x* \q1 \v 3 Akoz sa, peyi a va \x + \xo 4:3 \xo*\xt És 24:4 \xt*\x*fè dèy. \q1 Tout moun ki rete ladann ap megri \q1 menm ak tout sa ki viv. \q1 Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo, \q1 epi pwason lanmè yo va mouri. \b \q1 \v 4 Malgre sa, pa kite okenn moun pote akizasyon, \q1 ni okenn moun vin repwoche; \q1 paske pèp nou an se tankou sila \q1 ki \x + \xo 4:4 \xo*\xt Det 14:3,7 \xt*\x*fè kont ak prèt yo. \q1 \v 5 Konsa, nou va \x + \xo 4:5 \xo*\xt Éz 14:3\xt*\x*glise tonbe nan lajounen \q1 e menm pwofèt la va glise tonbe \q1 avèk nou nan lannwit. \q1 Epi Mwen va detwi manman ou. \q1 \v 6 Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans. \q1 Akoz ou te rejte konesans, \q1 Mwen menm tou, Mwen va rejte ou. \q1 Ou p ap ka fè prèt pou Mwen, \q1 akoz ou te bliye lalwa Bondye. \q1 Konsa, Mwen menm tou, \q1 Mwen ap bliye pitit nou yo. \q1 \v 7 Plis ke yo te miltipliye, \q1 plis ke yo te peche kont mwen. \q1 Mwen va \x + \xo 4:7 \xo*\xt Hab 2:16 \xt*\x*fè glwa yo vin chanje an wont. \q1 \v 8 Yo manje sou peche a pèp Mwen an, \q1 e yo \x + \xo 4:8 \xo*\xt És 56:11 \xt*\x*dirije volonte yo vè inikite yo. \q1 \v 9 Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a, \q1 se konsa prèt la ye. \q1 Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo, \q1 e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.\x + \xo 4:9 \xo*\xt Os 8:13\xt*\x* \q1 \v 10 Yo va manje, men yo p ap gen ase. \q1 Yo va \x + \xo 4:10 \xo*\xt Os 7:4 \xt*\x*fè pwostitisyon, men yo p ap ogmante, \q1 akoz yo \x + \xo 4:10 \xo*\xt Os 9:1 \xt*\x*sispann koute SENYÈ a. \q1 \v 11 Lavi pwostitisyon, \x + \xo 4:11 \xo*\xt Pwov 20:1\xt*\x*diven, \q1 ak diven nèf retire bon konprann. \q1 \v 12 Pèp mwen an \x + \xo 4:12 \xo*\xt És 44:19\xt*\x* mande konsèy \q1 a zidòl ki fèt ak bwa yo. \q1 Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo; \q1 yo te enfidèl a Bondye yo a. \q1 \v 13 Yo ofri sakrifis sou \x + \xo 4:13 \xo*\xt Jr 3:6 \xt*\x*tèt mòn yo, \q1 e yo brile lansan sou kolin yo. \q1 \x + \xo 4:13 \xo*\xt És 1:29\xt*\x*Anba pye bwadchèn yo, \q1 pye sikrèn ak pye mapou yo; \q1 akoz lonbraj yo dous. \q1 Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon \q1 e madanm nou yo fè adiltè. \q1 \v 14 Mwen p ap pini fi nou yo lè yo fè pwostitisyon, \q1 ni madanm nou yo lè yo fè adiltè. \q1 Paske, mesye yo, yo menm, \q1 ale sou kote ak \x + \xo 4:14 \xo*\xt Det 23:17\xt*\x*pwostitiye yo, \q1 e fè sakrifis yo ak pwostitiye tanp yo. \q1 Konsa, pèp san konprann nan vin detwi nèt. \b \q1 \v 15 Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, \q1 men ou pa kite Juda vin koupab; \q1 pa monte vè Guilgal, \q1 ni monte nan Beth-Aven, \q1 ni \x + \xo 4:15 \xo*\xt Jr 5:2 \xt*\x*sèmante: “Jan Bondye vivan an!” \q1 \v 16 Paske Israël fè tèt li di, \q1 tankou yon gazèl ak tèt rèd. \q1 Èske SENYÈ a, koulye a, kapab nouri yo \q1 tankou jenn mouton nan yon bèl chan?\x + \xo 4:16 \xo*\xt És 5:17\xt*\x* \q1 \v 17 Éphraïm vin jwenn ak \x + \xo 4:17 \xo*\xt Os 13:2\xt*\x*zidòl yo. \q1 Kite li pou kont li. \q1 \v 18 Bwason yo vin gen gou si. \q1 Yo jwe pwostitiye tout tan. \q1 Chèf yo vrèman renmen wont yo.\x + \xo 4:18 \xo*\xt Mi 3:11\xt*\x* \q1 \v 19 \x + \xo 4:19 \xo*\xt Os 12:1\xt*\x*Van an te vlope li nan zèl li yo; \q1 yo va wont akoz sakrifis yo fè. \c 5 \p \v 1 Tande bagay sa a, O prèt yo! \q1 Prete zòrèy ou O lakay Israël! \q1 Koute byen, O lakay wa a! \q1 Paske jijman an se pou ou, \q1 paske ou te yon pèlen nan Mitspa \q1 e yon Filè ouvri sou Thabor.\x + \xo 5:1 \xo*\xt Os 9:8\xt*\x* \q1 \v 2 \x + \xo 5:2 \xo*\xt Os 9:15\xt*\x*Rebèl yo \x + \xo 5:2 \xo*\xt És 29:15\xt*\x*desann fon nan fè masak; \q1 men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout. \q1 \v 3 Mwen \x + \xo 5:3 \xo*\xt Am 3:2\xt*\x*konnen Éphraïm \q1 e Israël pa kache devan M; \q1 paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye. \q1 Israël te souye tèt li. \q1 \v 4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a, \q1 paske, yon \x + \xo 5:4 \xo*\xt Os 4:12\xt*\x*lespri pwostitisyon rete anndan yo. \q1 Yo \x + \xo 5:4 \xo*\xt Os 4:6,14 \xt*\x*pa konnen SENYÈ a. \q1 \v 5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li. \q1 Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo. \q1 Anplis, \x + \xo 5:5 \xo*\xt Éz 23:31-35 \xt*\x*Juda va tonbe avèk yo. \q1 \v 6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo \q1 pou y al chache SENYÈ a, \q1 men yo \x + \xo 5:6 \xo*\xt Pwov 1:28\xt*\x*p ap jwenn Li. \q1 Li te \x + \xo 5:6 \xo*\xt Éz 8:6 \xt*\x*retire tèt Li kite yo. \q1 \v 7 Yo te \x + \xo 5:7 \xo*\xt És 48:8\xt*\x*aji an trèt kont SENYÈ a, \q1 paske yo te fè pitit ilejitim. \q1 Koulye a nouvèl lin nan \q1 va devore yo menm ak chan yo. \b \q1 \v 8 \x + \xo 5:8 \xo*\xt Jl 2:1\xt*\x*“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. \q1 Sone alam Beth-Aven nan: \q1 \x + \xo 5:8 \xo*\xt Jij 5:14 \xt*\x*Dèyè ou, Benjamin! \q1 \v 9 Éphraïm va vin yon kote dezole nan \x + \xo 5:9 \xo*\xt És 37:3\xt*\x*jou repwòch la; \q1 Pami tribi Israël yo, Mwen \x + \xo 5:9 \xo*\xt És 46:10\xt*\x*deklare sa ki va rive. \q1 \v 10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki \x + \xo 5:10 \xo*\xt Det 19:14\xt*\x*deplase Bòn yo; \q1 Sou yo, Mwen va vide tout \q1 chalè kòlè Mwen an tankou dlo. \q1 \v 11 Éphraïm vin oprime, \q1 Li vin kraze nan jijman an, \q1 \x + \xo 5:11 \xo*\xt Mi 6:16 \xt*\x*akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo. \q1 \v 12 Akoz sa, mwen vin tankou \q1 yon papiyon twal pou Éphraïm \q1 e tankou pouriti pou lakay Juda.\x + \xo 5:12 \xo*\xt Sòm 39:11\xt*\x* \b \q1 \v 13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a, \q1 e Juda, jan li te blese a; \q1 alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. \q1 Li te voye kote Wa Jareb. \q1 Men li p ap ka geri w, \q1 ni li p ap ka fè geri maleng ou an.\x + \xo 5:13 \xo*\xt Os 7:11; Os 10:6\xt*\x* \q1 \v 14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, \q1 e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. \q1 \x + \xo 5:14 \xo*\xt Sòm 50:22\xt*\x*Mwen menm, Mwen va chire an mòso \q1 e Mwen va ale. \q1 Mwen va pote ale, e \x + \xo 5:14 \xo*\xt Mi 5:8 \xt*\x*p ap gen \q1 moun ki pou delivre. \q1 \v 15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen, \q1 jiskaske yo vin \x + \xo 5:15 \xo*\xt És 64:7\xt*\x*rekonèt koupabilite yo, \q1 pou chache fas Mwen. \q1 Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.” \c 6 \p \v 1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a; \q1 paske li te \x + \xo 6:1 \xo*\xt Det 32:39 \xt*\x*chire nou, \q1 men Li va geri nou. \q1 Li te blese nou, \q1 men \x + \xo 6:1 \xo*\xt Jr 30:17\xt*\x*Li va panse nou. \q1 \v 2 Li va \x + \xo 6:2 \xo*\xt Sòm 30:5 \xt*\x*fè nou vin refè apre de jou; \q1 Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve. \q1 Konsa, nou va viv devan Li. \q1 \v 3 Annou \x + \xo 6:3 \xo*\xt És 2:3 \xt*\x*rekonèt SENYÈ a; \q1 annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. \q1 \x + \xo 6:3 \xo*\xt Sòm 19:6\xt*\x* Aparans Li asire tankou solèy \q1 k ap leve granmmaten. \q1 Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, \q1 tankou lapli prentan k ap wouze latè. \b \q1 \v 4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? \q1 Kisa pou M fè ak ou, O Juda? \q1 Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, \q1 tankou farinay ki disparèt bonè. \q1 \v 5 Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo; \q1 Mwen te touye yo ak \x + \xo 6:5 \xo*\xt Jr 23:29\xt*\x*pawòl bouch Mwen. \q1 Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire. \q1 \v 6 Paske, Mwen \x + \xo 6:6 \xo*\xt Mat 9:13 \xt*\x* pito mizerikòd \x + \xo 6:6 \xo*\xt És 1:11\xt*\x* olye sakrifis, \q1 epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile. \q1 \v 7 Men \x + \xo 6:7 \xo*\xt Job 31:33 \xt*\x* yo menm, tankou Adam te \x + \xo 6:7 \xo*\xt Os 8:1\xt*\x*kase transgresyon akò a. \q1 La, yo pa t fidèl anvè Mwen. \q1 \v 8 Galaad se yon vil ki plen ak malfektè, \q1 plen ak tach san.\x + \xo 6:8 \xo*\xt Os 12:11; Os 4:2\xt*\x* \q1 \v 9 Epi tankou bandi k ap tann yon moun; \q1 konsa, yon twoup prèt asasine moun \q1 sou wout pou rive Sichem nan. \q1 Se gwo krim y ap fè. \q1 \v 10 Nan lakay Israël, Mwen te wè yon \x + \xo 6:10 \xo*\xt Jr 5:30,31\xt*\x* move bagay. \q1 Gen pwostitisyon nan Éphraïm. \q1 Israël souye pwòp tèt li. \b \q1 \v 11 Ou menm tou, O Juda! \q1 Gen yon \x + \xo 6:11 \xo*\xt Jr 51:33; So 2:7\xt*\x*rekòlt ki deja apwente pou ou menm, \q1 lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an. \c 7 \p \v 1 Lè M \x + \xo 7:1 \xo*\xt Éz 24:13 \xt*\x*ta geri blesi Israël, \q1 inikite a Éphraïm nan vin dekouvri, \q1 ak mechanste a Samarie a tou; \q1 paske yo aji nan \x + \xo 7:1 \xo*\xt Os 4:2\xt*\x*manti. \q1 Vòlè a antre, \q1 bandi yo atake pa deyò. \q1 \v 2 Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen \q1 \x + \xo 7:2 \xo*\xt Sòm 25:7\xt*\x*Sonje tout mechanste yo. \q1 Alò, zak yo ap antoure yo; \q1 yo devan figi Mwen. \q1 \v 3 \x + \xo 7:3 \xo*\xt Wo 1:32\xt*\x*Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan, \q1 epi prens yo, ak \x + \xo 7:3 \xo*\xt Os 4:2 \xt*\x*manti yo. \q1 \v 4 Yo tout se \x + \xo 7:4 \xo*\xt Jr 9:2\xt*\x*adiltè; \q1 yo tankou yon fou la \q1 ke bos boulanje sispann chofe, \q1 depi nan lè l ap petri Pat farin nan, \q1 jis rive lè pan an fin leve. \q1 \v 5 Nan jou a wa nou an, prens yo \q1 te fè tèt yo malad ak chalè diven an. \q1 Li te lonje men li ak mokè yo.\x + \xo 7:5 \xo*\xt És 28:1,7\xt*\x* \q1 \v 6 Paske kè yo vin tankou yon \x + \xo 7:6 \xo*\xt Sòm 21:9\xt*\x*fou \q1 pandan y ap kouche tan moun. \q1 Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit. \q1 Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife. \q1 \v 7 Yo tout cho tankou yon fou. \q1 Yo manje \x + \xo 7:7 \xo*\xt Os 13:10\xt*\x*jij yo. \q1 Tout wa yo fin tonbe. \q1 \x + \xo 7:7 \xo*\xt És 64:7 \xt*\x*Nanpwen youn pami yo ki rele M. \q1 \v 8 Éphraïm \x + \xo 7:8 \xo*\xt Sòm 106:35\xt*\x*mele li menm ak nasyon yo. \q1 Éphraïm se yon gato ki pa t vire. \q1 \v 9 Etranje yo devore fòs li, \q1 men li pa wè sa a. \q1 Anplis, cheve blanch yo la sou li, \q1 men li pa konnen.\x + \xo 7:9 \xo*\xt És 1:7\xt*\x* \q1 \v 10 Malgre sa \x + \xo 7:10 \xo*\xt Os 5:5 \xt*\x*ògèy Israël la fè temwaye kont li, \q1 \x + \xo 7:10 \xo*\xt És 9:13\xt*\x*men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a. \q1 Ni yo pa chache Li, malgre tout sa. \b \q1 \v 11 Konsa, Éphraïm te vin tankou \q1 yon toutrèl egare, \x + \xo 7:11 \xo*\xt Os 4:6,11,14\xt*\x*san bon sans. \q1 Yo rele vè Egypte. \q1 Yo ale \x + \xo 7:11 \xo*\xt Os 5:13 \xt*\x*Assyrie. \q1 \v 12 Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo. \q1 Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo. \q1 Mwen va bay yo chatiman, \q1 jan kongregasyon yo a te tande a.\x + \xo 7:12 \xo*\xt Éz 12:13; Lev 26:14-39\xt*\x* \q1 \v 13 Malè a yo menm! \q1 Paske yo te \x + \xo 7:13 \xo*\xt Jr 14:10 \xt*\x*gaye kite Mwen! \q1 Destriksyon pou yo menm, \q1 paske yo te fè rebèl kont Mwen! \q1 Mwen \x + \xo 7:13 \xo*\xt Jr 51:9\xt*\x*ta rachte yo, \q1 men yo fè manti kont Mwen. \q1 \v 14 \x + \xo 7:14 \xo*\xt Job 35:9-11\xt*\x*Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, \q1 men yo rele fò sou kabann yo. \q1 Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. \q1 Men yo \x + \xo 7:14 \xo*\xt Os 13:16 \xt*\x*vire kite Mwen. \q1 \v 15 Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò, \q1 malgre sa, yo \x + \xo 7:15 \xo*\xt Na 1:9 \xt*\x*fè konplo pou mal kont Mwen. \q1 \v 16 Yo vire, men pa a Sila ki anwo a. \q1 Yo tankou yon banza k ap twonpe moun. \q1 Prens yo va tonbe devan nepe \q1 akoz \x + \xo 7:16 \xo*\xt Sòm 12:3,4; Éz 23:32\xt*\x*ensolans a lang yo. \q1 Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte. \c 8 \p \v 1 Mete twonpèt la sou lèv ou yo! \q1 Yon bagay tankou malfini \q1 vini kont lakay SENYÈ a; \q1 akoz yo te transgrese akò Mwen an, \q1 e fè rebèl kont lalwa Mwen an. \q1 \v 2 Yo va rele a Mwen menm: \q1 ‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’ \q1 \v 3 Israël te rejte sa ki bon; \q1 lènmi an va kouri dèyè l. \q1 \v 4 Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm. \q1 Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm. \q1 Ak \x + \xo 8:4 \xo*\xt Os 2:8\xt*\x*ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo, \q1 jis pou yo ta ka koupe retire nèt. \q1 \v 5 Kite Samarie jete \x + \xo 8:5 \xo*\xt Os 10:5\xt*\x*jenn bèf li deyò! \q1 Kòlè Mwen ap brile kont yo! \q1 Pou konbyen de tan yo va rete \q1 san kapasite pou pirifye? \q1 \v 6 Paske, sa sòti menm an Israël! \q1 Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye. \q1 Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.\x + \xo 8:6 \xo*\xt Os 13:2\xt*\x* \q1 \v 7 Paske \x + \xo 8:7 \xo*\xt Pwov 22:8\xt*\x*yo simen van, \q1 e yo rekòlte \x + \xo 8:7 \xo*\xt És 66:15 \xt*\x*toubiyon. \q1 \v 8 Israël vin \x + \xo 8:8 \xo*\xt II Wa 17:6\xt*\x*vale nèt. \q1 Koulye a, se pami nasyon yo ye; \q1 tankou yon \x + \xo 8:8 \xo*\xt Jr 22:28 \xt*\x*veso ki pa bay plezi a okenn moun. \q1 \v 9 Paske yo te monte \x + \xo 8:9 \xo*\xt Os 7:11 \xt*\x*Assyrie, \q1 kon yon \x + \xo 8:9 \xo*\xt Jr 2:24\xt*\x*bourik mawon pou kont li. \q1 Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo. \q1 \v 10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo, \q1 se koulye a, Mwen va ranmase yo. \q1 Yo kòmanse vin \x + \xo 8:10 \xo*\xt Jr 42:2\xt*\x*febli akoz presyon \q1 a \x + \xo 8:10 \xo*\xt És 10:8 \xt*\x*wa de sa yo ak pwisans. \q1 \v 11 Akoz Éphraïm te \x + \xo 8:11 \xo*\xt Os 10:1\xt*\x*miltipliye lotèl pou fè peche yo, \q1 Yo te devni lotèl pou li pou peche yo. \q1 \v 12 Malgre sa \x + \xo 8:12 \xo*\xt Det 4:6,8 \xt*\x*Mwen te ekri pou li \q1 règleman san fen de \x + \xo 8:12 \xo*\xt Os 4:6\xt*\x*Lalwa Mwen yo, \q1 men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl. \q1 \v 13 Pou sakrifis ofrann Mwen yo, \q1 yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. \q1 SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. \q1 Konsa, Li va \x + \xo 8:13 \xo*\xt Jr 14:10 \xt*\x*sonje inikite yo, \q1 e \x + \xo 8:13 \xo*\xt Os 4:9\xt*\x*pini peche yo. \q1 Yo va retounen an Egypte. \q1 \v 14 Paske Israël te \x + \xo 8:14 \xo*\xt Det 32:18 \xt*\x*bliye Kreyatè li. \q1 Li te \x + \xo 8:14 \xo*\xt És 9:9,10\xt*\x*bati palè yo. \q1 Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; \q1 men Mwen va voye dife sou vil li yo, \q1 e konsa, li va devore gwo palè li yo. \c 9 \p \v 1 \x + \xo 9:1 \xo*\xt És 22:12,13 \xt*\x*Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo! \q1 Paske ou te \x + \xo 9:1 \xo*\xt Os 4:12\xt*\x*fè pwostitisyon. \q1 Ou te abandone Bondye ou a. \q1 Ou te renmen salè kòb ki konn \q1 ranmase sou nenpòt glasi vannen. \q1 \v 2 Glasi vannen a ak pèz diven an \x + \xo 9:2 \xo*\xt Os 2:9\xt*\x*p ap nouri yo, \q1 e diven nèf la va fè yo vin twonpe. \q1 \v 3 Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a, \q1 men Éphraïm va retounen an \x + \xo 9:3 \xo*\xt Os 7:16\xt*\x*Égypte, \q1 e yo va manje \x + \xo 9:3 \xo*\xt Éz 4:13 \xt*\x*sa ki pa pwòp an Assyrie. \q1 \v 4 Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a, \q1 Ni yo p ap fè L plezi. \q1 Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò. \q1 Tout moun ki manje ladan va vin souye, \q1 paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo. \q1 Li p ap antre lakay SENYÈ a.\x + \xo 9:4 \xo*\xt Jr 6:20; Ag 2:13,14\xt*\x* \q1 \v 5 \x + \xo 9:5 \xo*\xt És 10:3\xt*\x*Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a, \q1 ak nan jou a fèt SENYÈ a? \q1 \v 6 Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon, \q1 Égypte va ranmase yo. \q1 Moph va antere yo. \q1 Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo. \q1 Se bwa pikan k ap fè tant yo. \q1 \v 7 Jou \x + \xo 9:7 \xo*\xt És 10:3 \xt*\x*pinisyon yo gen tan rive. \q1 Jou \x + \xo 9:7 \xo*\xt És 34:8\xt*\x*jijman yo gen tan rive. \q1 Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, \q1 moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, \q1 akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, \q1 e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran. \q1 \v 8 Yon pwofèt veye sou Éphraïm \q1 avèk Bondye mwen an. \q1 Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo, \q1 e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a. \q1 \v 9 Yo antre tèt yo byen \x + \xo 9:9 \xo*\xt És 31:6\xt*\x*fon nan koripsyon, \q1 tankou nan jou a Guibea yo. \q1 Li va sonje \x + \xo 9:9 \xo*\xt Os 7:2 \xt*\x*inikite yo. \q1 Li va pini peche yo. \q1 \v 10 Mwen te twouve Israël \q1 tankou \x + \xo 9:10 \xo*\xt Mi 7:1 \xt*\x*rezen yo nan dezè. \q1 Mwen te wè papa zansèt nou yo \q1 tankou \x + \xo 9:10 \xo*\xt Jr 24:2\xt*\x*premye fwi sou pye fig nan premye sezon li. \q1 Men yo te rive kote Baal-Peor; \q1 yo te konsakre tèt yo a gwo wont, \q1 e yo te vin abominab menm jan \q1 ak sila ke yo te renmen a. \q1 \v 11 Pou Éphraïm \x + \xo 9:11 \xo*\xt Os 4:7\xt*\x*glwa yo va vole ale kon zwazo. \q1 P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon. \q1 \v 12 Malgre yo leve pwòp pitit yo, \q1 Mwen va prive yo de yo, \q1 jiskaske pa gen yon moun ki rete. \q1 Wi, anverite \x + \xo 9:12 \xo*\xt Det 31:17 \xt*\x*malè a yo menm, lè Mwen kite yo! \q1 \v 13 Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la, \q1 plante nan yon bèl chan; \q1 men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.\x + \xo 9:13 \xo*\xt Éz 26:1-21\xt*\x* \q1 \v 14 Bay yo!—O SENYÈ! Kisa Ou va bay yo? \q1 Bay yo yon ti vant foskouch \x + \xo 9:14 \xo*\xt Os 9:11 \xt*\x* ak tete sèch. \b \q1 \v 15 Tout mechanste yo se nan Guilgal; \q1 Anverite se la Mwen te rayi yo! \q1 Akoz \x + \xo 9:15 \xo*\xt Os 4:9\xt*\x*mechanste a zak yo, \q1 Mwen va chase yo sòti lakay Mwen. \q1 Mwen p ap renmen yo ankò; \q1 tout prens yo se \x + \xo 9:15 \xo*\xt És 1:23 \xt*\x*rebèl. \q1 \v 16 Éphraïm vin frape. \q1 Rasin yo vin sèch. \q1 Yo p ap bay fwi. \q1 Menm si yo ka fè pitit, \q1 Mwen va touye \x + \xo 9:16 \xo*\xt Os 8:7; Éz 24:21 \xt*\x*fwi byeneme a vant yo a. \b \q1 \v 17 Bondye mwen an va jete yo deyò \q1 akoz yo \x + \xo 9:17 \xo*\xt Os 4:10\xt*\x*pa t koute Li; \q1 epi yo va \x + \xo 9:17 \xo*\xt Os 7:13 \xt*\x*vin vagabon pami nasyon yo. \c 10 \p \v 1 Israël se yon pye rezen byen fètil; \q1 li pwodwi fwi pou pwòp tèt li. \q1 Selon kantite fwi li te genyen, \q1 li te miltipliye lotèl li yo. \q1 Selon bonte a peyi yo a, yo te fè pilye sakre. \q1 \v 2 Kè yo vin \x + \xo 10:2 \xo*\xt Jr 2:28 \xt*\x*divize. \q1 Koulye a, yo gen pou pote pwòp \x + \xo 10:2 \xo*\xt I Wa 14:23\xt*\x*koupabilite yo. \q1 SENYÈ a va kraze lotèl yo. \q1 Li va detwi pilye sakre yo. \q1 \v 3 Anverite, koulye a yo va di: “Nou \x + \xo 10:3 \xo*\xt Sòm 12:4\xt*\x*pa gen wa, \q1 paske nou pa krent SENYÈ a. \q1 Epi wa a, se kisa li ka fè pou nou?” \q1 \v 4 Se sèlman pawòl ke yo pale, \q1 ak \x + \xo 10:4 \xo*\xt Éz 17:13-19 \xt*\x*fo sèman pou fè akò. \q1 Donk \x + \xo 10:4 \xo*\xt Det 31:16,17\xt*\x*jijman yo pete leve tankou zèb \q1 k ap anpwazone nan tras chan yo. \q1 \v 5 Pèp Samarie yo va gen lakrent \q1 akoz jenn bèf Beth-Aven nan. \q1 Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li, \q1 ak \x + \xo 10:5 \xo*\xt II Wa 23:5\xt*\x*prèt zidòl yo k ap kriye pou li, \q1 pou \x + \xo 10:5 \xo*\xt Os 9:11 \xt*\x*glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt. \q1 \v 6 Sa va pote ale osi an Assyrie \q1 pou fè omaj a Wa Jareb. \q1 Éphraïm va resevwa lawont, \q1 e Israël va vin wont de pwòp konsèy li.\x + \xo 10:6 \xo*\xt Os 4:7; És 30:3\xt*\x* \q1 \v 7 Pou Samarie, wa li a va \x + \xo 10:7 \xo*\xt Os 13:11\xt*\x* vin peri \q1 tankou ti bout bwa Ki parèt sou fas dlo. \q1 \v 8 Anplis, wo plas Aven yo, \q1 peche Israël la, va vin detwi. \q1 Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo. \q1 Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!” \q1 E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”\x + \xo 10:8 \xo*\xt I Wa 12:28-30; És 2:19\xt*\x* \b \q1 \v 9 O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche. \q1 Se la yo te kanpe! \q1 Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea. \q1 \v 10 Lè se \x + \xo 10:10 \xo*\xt Éz 5:13 \xt*\x*volonte Mwen, \q1 Mwen va bay yo \x + \xo 10:10 \xo*\xt Os 4:9\xt*\x*chatiman. \q1 Konsa, pèp yo va vin rasanble kont yo \q1 lè yo mare nèt nan koupabilite doub yo. \q1 \v 11 Éphraïm se yon \x + \xo 10:11 \xo*\xt Jr 50:11 \xt*\x*gazèl bèf byen antrene \q1 ki renmen foule grenn nan, \q1 men Mwen va \x + \xo 10:11 \xo*\xt Jr 28:14\xt*\x*pase jouk la \q1 sou bèl kou li a. \q1 Mwen va mete yon kavalye sou Éphraïm. \q1 Juda va raboure. \q1 Jacob va repase pou kraze bol tè a. \q1 \v 12 Simen a nou menm anvè ladwati, \q1 rekòlte selon ladousè. \q1 Fann tè ki poze ou a; \q1 se lè pou chache SENYÈ a \q1 jis lè Li vin vide ladwati sou nou.\x + \xo 10:12 \xo*\xt Pwov 11:18; Os 12:6\xt*\x* \q1 \v 13 Nou te \x + \xo 10:13 \xo*\xt Job 4:8 \xt*\x*raboure mechanste; \q1 nou te rekòlte lenjistis. \q1 Nou te manje fwi \x + \xo 10:13 \xo*\xt Os 4:2\xt*\x*manti a, \q1 akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, \q1 nan fòs kantite gèrye pisan nou yo. \q1 \v 14 Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou an \q1 e \x + \xo 10:14 \xo*\xt És 17:3\xt*\x*tout fòterès nou yo va detwi, \q1 tankou Schalman te detwi Beth-Arbel \q1 nan jou batay la, \q1 lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo. \q1 \v 15 Konsa li va ye pou nou menm \q1 nan Bétel akoz gwo Mechanste nou yo. \q1 Bonè nan maten, wa Israël la va vin detwi nèt. \c 11 \p \v 1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l; \q1 epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.\x + \xo 11:1 \xo*\xt Os 2:15\xt*\x* \q1 \v 2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo. \q1 Yo te kontinye \x + \xo 11:2 \xo*\xt Os 2:13\xt*\x*fè sakrifis bay Baal yo, \q1 e \x + \xo 11:2 \xo*\xt És 65:7 \xt*\x*brile lansan bay zidòl yo. \q1 \v 3 Malgre sa, se te Mwen \q1 ki te montre Éphraïm jan pou l mache. \q1 Nan bra M, Mwen te pran yo; \q1 men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo. \q1 \v 4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm, \q1 ak lyann lanmou. \q1 Konsa, \x + \xo 11:4 \xo*\xt Lev 26:13; Egz 16:32\xt*\x*Mwen te vini pou yo \q1 kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo. \q1 Mwen te bese mete manje devan yo. \b \q1 \v 5 Yo p ap retounen nan peyi Égypte, \q1 men Wa Assyrie a va vin wa yo, \q1 akoz yo te \x + \xo 11:5 \xo*\xt Os 7:16 \xt*\x*refize retounen kote Mwen. \q1 \v 6 Nepe va tonbe kont vil yo, \q1 pou kraze pòtay ak fè fòje yo, \q1 e li va \x + \xo 11:6 \xo*\xt Lam 2:9\xt*\x*fè tout plan yo disparèt. \q1 \v 7 Pèp Mwen an fè desizyon nèt pou \x + \xo 11:7 \xo*\xt Jr 3:6,7 \xt*\x*vire kite Mwen. \q1 Malgre yo rele yo vè Sila ki Pi Wo a, \q1 anverite, yo p ap egzalte. \b \q1 \v 8 \x + \xo 11:8 \xo*\xt Os 6:4 \xt*\x*Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? \q1 Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? \q1 Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? \q1 Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou \x + \xo 11:8 \xo*\xt Jen 14:8\xt*\x*Tseboïm? \q1 Kè M vire nèt anndan M; \q1 konpasyon Mwen vin anflame. \q1 \v 9 Mwen \x + \xo 11:9 \xo*\xt Det 13:17 \xt*\x*p ap egzekite chalè kòlè Mwen; \q1 Mwen p ap detwi Éphraïm ankò. \q1 Paske \x + \xo 11:9 \xo*\xt Nonb 23:19\xt*\x*se Bondye Mwen ye, Mwen pa lòm; \q1 Sila Ki Sen nan mitan nou an \q1 e Mwen p ap antre nan kòlè. \q1 \v 10 Yo va \x + \xo 11:10 \xo*\xt Os 3:5\xt*\x*mache dèyè SENYÈ a, \q1 Li va gwonde kon yon lyon; \q1 Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, \q1 ap \x + \xo 11:10 \xo*\xt És 66:2,5 \xt*\x*tranble soti nan lwès. \q1 \v 11 Yo va vini tranblan tankou zwazo, soti an Égypte, \q1 e kon toutrèl soti nan peyi \x + \xo 11:11 \xo*\xt És 11:11; Éz 28:25,26\xt*\x*Assyrie; \q1 epi Mwen va plase yo nan kay pa yo, deklare SENYÈ a. \b \q1 \v 12 Éphraïm antoure Mwen ak \x + \xo 11:12 \xo*\xt Os 4:2\xt*\x*manti, \q1 e lakay Israël ak desepsyon. \q1 Men anplis, Juda toujou egare, \q1 kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an. \c 12 \p \v 1 Éphraïm manje sou van, \q1 e kouri dèyè \x + \xo 12:1 \xo*\xt Jen 41:6\xt*\x*van lès la. \q1 Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. \q1 Anplis, li fè yon akò ak Assyrie \q1 e lwil vin pote an Égypte. \q1 \v 2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda \q1 e Li va pini Jacob \x + \xo 12:2 \xo*\xt Os 4:1; Os 7:2\xt*\x*selon chemen li yo. \q1 Li va rekonpanse li selon zak li yo. \q1 \v 3 Nan vant manman, li te \x + \xo 12:3 \xo*\xt Jen 25:26\xt*\x*kenbe frè l pa talon; \q1 epi lè l fin grandi, li te \x + \xo 12:3 \xo*\xt Jen 32:28 \xt*\x*lite ak Bondye. \q1 \v 4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l; \q1 li te kriye e li te \x + \xo 12:4 \xo*\xt Jen 32:26\xt*\x*chache favè li. \q1 Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou. \q1 \v 5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo, \q1 SENYÈ a se \x + \xo 12:5 \xo*\xt Egz 3:15 \xt*\x*non Li! \q1 \v 6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a, \q1 \x + \xo 12:6 \xo*\xt Os 6:1-3; Mi 6:8 \xt*\x*Swiv ladousè ak lajistis, \q1 e tann Bondye ou a tout tan. \q1 \v 7 Men yon machann, ak \x + \xo 12:7 \xo*\xt Pwov 11:1\xt*\x*fo balans lan nan men l. \q1 Li renmen twonpe moun. \q1 \v 8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich. \q1 Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen; \q1 Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri \q1 \x + \xo 12:8 \xo*\xt Os 4:8 \xt*\x*okenn inikite, ki ta peche.” \b \q1 \v 9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou, \q1 depi nan peyi Égypte la, va fè ou \x + \xo 12:9 \xo*\xt Lev 23:42 \xt*\x*viv nan tant ankò, \q1 tankou nan jou fèt deziye yo. \q1 \v 10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo \q1 e mwen te miltipliye vizyon yo; \q1 epi selon ministè \x + \xo 12:10 \xo*\xt II Wa 17:13\xt*\x*pwofèt yo, \q1 mwen te sèvi \x + \xo 12:10 \xo*\xt Éz 17:2 \xt*\x*parabòl. \q1 \v 11 Èske gen inikite nan Galaad? \q1 Anverite, yo tout san valè. \q1 Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo; \q1 wi \x + \xo 12:11 \xo*\xt Os 8:11 \xt*\x*lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan. \q1 \v 12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, \q1 \x + \xo 12:12 \xo*\xt Jen 28:5; Jen 29:20\xt*\x*Israël te travay pou resevwa yon madanm. \q1 Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton. \q1 \v 13 Epi pa yon \x + \xo 12:13 \xo*\xt Egz 14:19-22\xt*\x*pwofèt, SENYÈ a \q1 te mennen Israël sòti an Égypte. \q1 Pa yon pwofèt, li te vin prezève. \q1 \v 14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè. \q1 Akoz sa, Senyè li va kite \x + \xo 12:14 \xo*\xt Éz 18:10-13\xt*\x*san li koule sou li, \q1 e fè \x + \xo 12:14 \xo*\xt Dan 11:18 \xt*\x*repwòch li tounen sou li. \c 13 \p \v 1 \x + \xo 13:1 \xo*\xt Job 29:21,22\xt*\x*Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman. \q1 Li te leve tèt li wo an Israël; \q1 men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri. \q1 \v 2 Epi koulye a, yo peche plis toujou, \q1 e yo fè pou tèt yo \x + \xo 13:2 \xo*\xt És 46:6\xt*\x*imaj fonn an ajan, \q1 menm zidòl yo selon jan yo konprann. \q1 Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye. \q1 Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo \x + \xo 13:2 \xo*\xt Os 8:5,6 \xt*\x*ti bèf yo!” \q1 \v 3 Akoz sa, yo va tankou \x + \xo 13:3 \xo*\xt Os 6:4\xt*\x*nwaj nan maten an \q1 ak lawouze k ap disparèt bonè, \q1 tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, \q1 e tankou \x + \xo 13:3 \xo*\xt Sòm 68:2 \xt*\x*Lafimen soti nan chemine. \q1 \v 4 Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou, \q1 depi nan peyi Égypte la; \q1 epi ou pa pou konnen \x + \xo 13:4 \xo*\xt Egz 20:3\xt*\x*okenn dye \q1 sof ke Mwen; \q1 paske nanpwen sovè \x + \xo 13:4 \xo*\xt És 43:11 \xt*\x*sof ke Mwen. \q1 \v 5 Mwen te \x + \xo 13:5 \xo*\xt Det 2:7\xt*\x*pran swen ou nan dezè a, \q1 nan peyi sechrès la. \q1 \v 6 Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè; \q1 yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye. \q1 Konsa, yo te bliye Mwen.\x + \xo 13:6 \xo*\xt Os 7:14; Os 2:13\xt*\x* \q1 \v 7 Akoz sa, Mwen va vin \x + \xo 13:7 \xo*\xt Lam 3:10 \xt*\x*tankou yon lyon anvè yo. \q1 Kon yon \x + \xo 13:7 \xo*\xt Jr 5:6\xt*\x*leyopa, Mwen va kouche \q1 an kachèt bò chemen an. \q1 \v 8 Mwen va rankontre yo \x + \xo 13:8 \xo*\xt II Sam 17:8 \xt*\x*kon yon lous \q1 ki fenk fin pèdi pitit li, \q1 e mwen va chire lestomak yo nèt. \q1 Sou plas, Mwen va \x + \xo 13:8 \xo*\xt Sòm 50:22\xt*\x*devore yo tankou \q1 yon manman lyon, \q1 jan yon bèt sovaj ta chire yo. \q1 \v 9 Se destriksyon pa w, O Israël! \q1 Akoz ou kont Mwen, kont \x + \xo 13:9 \xo*\xt Det 33:26,29 \xt*\x*sekou ou. \q1 \v 10 Kote \x + \xo 13:10 \xo*\xt II Wa 17:4 \xt*\x*wa ou a koulye a, \q1 pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo? \q1 Ak \x + \xo 13:10 \xo*\xt I Sam 8:5,6\xt*\x*jij ke ou te mande yo: “Ban mwen \q1 yon wa ak prens yo”? \q1 \v 11 Mwen \x + \xo 13:11 \xo*\xt I Sam 8:7\xt*\x*te bay ou yon wa nan kòlè Mwen, \q1 e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen. \q1 \v 12 Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt; \q1 peche li vin \x + \xo 13:12 \xo*\xt Det 32:34,35 \xt*\x*mete nan depo. \q1 \v 13 Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li; \q1 se pa \x + \xo 13:13 \xo*\xt Det 32:6\xt*\x* yon fis ki saj, k ap rete nan vant \q1 ki ouvri e k ap tann li soti a. \q1 \v 14 Mwen va rachte yo soti \q1 anba pouvwa a Sejou mò yo; \q1 mwen va \x + \xo 13:14 \xo*\xt Sòm 49:15 \xt*\x*rachte yo soti anba lanmò. \q1 O lanmò! Kote pikan ou yo? \q1 O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an? \q1 Repantans va vin kache devan zye M. \q1 \v 15 Malgre li pote fwi pami frè li yo, \q1 yon \x + \xo 13:15 \xo*\xt Jen 41:6 \xt*\x*van nan lès va vini; \q1 van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a. \q1 Sous dlo li va vin sèch, \q1 e fontèn dlo li va seche. \q1 Li va \x + \xo 13:15 \xo*\xt Jr 20:5\xt*\x* piyaje trezò tout bagay ki gen valè. \q1 \v 16 Samarie va pote \x + \xo 13:16 \xo*\xt Os 10:2\xt*\x*koupabilite li, \q1 paske li te \x + \xo 13:16 \xo*\xt Os 7:14\xt*\x*fè rebèl kont Bondye li a. \q1 Yo va tonbe pa nepe. \q1 Timoun piti yo va vin kraze an mòso, \q1 epi fanm ansent yo va vin dechire nèt. \c 14 \q1 \v 1 \x + \xo 14:1 \xo*\xt Os 6:1\xt*\x*Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a. \q1 Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou. \q1 \v 2 Pran avèk ou menm pawòl yo, \q1 pou retounen kote SENYÈ a. \q1 Di Li: \x + \xo 14:2 \xo*\xt Mi 7:18,19\xt*\x*“Retire tout inikite nou yo, \q1 e resevwa nou ak gras Ou, \q1 pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou. \q1 \v 3 Assyrie p ap sove nou. \q1 Nou p ap monte sou cheval; \q1 ni nou p ap di ankò a \q1 \x + \xo 14:3 \xo*\xt Os 8:6; Os 4:12\xt*\x*zèv men nou yo: “Ou se dye nou.” \q1 Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.” \b \q1 \v 4 “Mwen va \x + \xo 14:4 \xo*\xt És 57:18 \xt*\x*geri enfidelite yo; \q1 Mwen va \x + \xo 14:4 \xo*\xt So 3:17\xt*\x*renmen yo an abondans, \q1 paske kòlè Mwen fin vire lwen yo. \q1 \v 5 Mwen va tankou \x + \xo 14:5 \xo*\xt Pwov 19:12\xt*\x*Lawouze pou Israël; \q1 li va fleri kon flè lis, \q1 e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo. \q1 \v 6 Boujon li yo va vin pete, \q1 e bèlte li va tankou pye doliv etranje a. \q1 Li va santi bon kon bèl odè Liban an. \q1 \v 7 Moun yo va rete nan lonbraj li. \q1 Yo va reprann fòs tankou \x + \xo 14:7 \xo*\xt Os 2:21,22\xt*\x*sereyal ki jwenn lapli; \q1 yo va fleri tankou pye rezen. \q1 Y ap fè bon odè tankou diven Liban an. \q1 \v 8 O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl? \q1 Se Mwen menm ki okipe l; \q1 Mwen tankou yon pye \x + \xo 14:8 \xo*\xt És 41:19\xt*\x*siprè byen vèt; \q1 nan \x + \xo 14:8 \xo*\xt Éz 17:23 \xt*\x*Mwen, tout fwi ou sòti.” \b \q1 \v 9 \x + \xo 14:9 \xo*\xt Sòm 107:43\xt*\x*Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; \q1 Sila ki pridan an, kite li konnen yo. \q1 Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, \q1 e moun ladwati a va mache ladan yo; \q1 men transgresè yo va glise tonbe nan yo.