\id HEB \ide UTF-8 \h Ebre Yo \toc1 EBRE YO \toc2 Ebre Yo \toc3 Eb \mt1 EBRE YO \c 1 \p \v 1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.\x + \xo 1:1 \xo*\xt Nonb 12:6,8\xt*\x* \p \v 2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm \x + \xo 1:2 \xo*\xt Sòm 2:8\xt*\x*eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. \v 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak \x + \xo 1:3 \xo*\xt II Kor 4:4\xt*\x*reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki \x + \xo 1:3 \xo*\xt Kol 1:17\xt*\x*bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. \p Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. \v 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon \x + \xo 1:4 \xo*\xt Ef 1:21\xt*\x*non pi ekselan ke yo menm. \p \v 5 Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di: \q1 \x + \xo 1:5 \xo*\xt Sòm 2:7\xt*\x*“Ou se Fis Mwen. \q1 Jodi a Mwen fè Ou”? \m E ankò: \q1 \x + \xo 1:5 \xo*\xt II Sam 7:14\xt*\x*“Mwen va yon Papa pou Li e \q1 Li va yon Fis pou Mwen,” \p \v 6 E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: \x + \xo 1:6 \xo*\xt Sòm 97:7\xt*\x*“Kite tout zanj Bondye yo adore Li,” \v 7 A zanj yo Li di: \q1 \x + \xo 1:7 \xo*\xt Sòm 104:4\xt*\x*“Li fè zanj Li yo tounen van, e \q1 sèvitè Li yo yon flanm dife” \p \v 8 Men a Fis la, Li di: \q1 \x + \xo 1:8 \xo*\xt Sòm 45:6\xt*\x*“Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou \q1 Tout tan e pou tout tan. \q1 E otorite san patipri a \q1 se otorite wayòm Li an. \q1 \v 9 \x + \xo 1:9 \xo*\xt Sòm 45:7\xt*\x*Ou renmen ladwati e \q1 ou rayi linikite; \q1 konsa, Bondye, Bondye pa w la \q1 te \x + \xo 1:9 \xo*\xt És 61:1,3\xt*\x*onksyone ou avèk lwil lajwa a \q1 pi plis ke parèy Ou yo.” \p \v 10 Epi, \q1 “Ou menm, Senyè, nan kòmansman an \q1 te poze fondasyon tè a. \q1 Syèl yo se zèv lamen Ou. \q1 \v 11 \x + \xo 1:11 \xo*\xt Sòm 102:26\xt*\x*Yo va peri, men Ou va reste toujou. \q1 Yo tout va vin vye tankou vètman. \q1 \v 12 Epi tankou yon manto, \q1 Ou va woule yo, fè woulo nèt. \q1 Tankou vètman, yo va vin chanje, \q1 men Ou rete menm jan an. \q1 Lane pa Ou yo p ap fini.” \x + \xo 1:12 \xo*\xt Sòm 102:26,27\xt*\x* \p \v 13 Men a kilès nan zanj yo, Li janm di: \q1 \x + \xo 1:13 \xo*\xt Sòm 110:1\xt*\x*“Chita sou men dwat Mwen, \q1 jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin \q1 yon ti ban pou pye Ou”? \p \v 14 Èske tout zanj yo se pa \x + \xo 1:14 \xo*\xt Sòm 103:20\xt*\x*lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo? \c 2 \p \v 1 Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou \x + \xo 2:1 \xo*\xt Pwov 3:21\xt*\x*nou pa vin vag sou li. \p \v 2 Paske si pawòl ki te pale pa \x + \xo 2:2 \xo*\xt Trav 7:53\xt*\x*zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, \v 3 \x + \xo 2:3 \xo*\xt Eb 10:29\xt*\x*kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa? \p Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. \v 4 Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa \x + \xo 2:4 \xo*\xt I Kor 12:4,11\xt*\x*don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li. \p \v 5 Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou \x + \xo 2:5 \xo*\xt Mat 24:14\xt*\x*monn k ap vini an, sou sa n ap pale a, \v 6 men youn te temwaye yon kote, pou di: \q1 \x + \xo 2:6 \xo*\xt Sòm 8:4\xt*\x*“Kisa lòm ye, pou ou sonje li? \q1 Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li? \q1 \v 7 Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi \q1 piti pase zanj yo. \q1 Ou kouwone li avèk glwa ak lonè. \q1 Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo; \q1 \v 8 e Ou mete tout bagay anba pye li.” \p \x + \xo 2:8 \xo*\xt Sòm 8:5,6\xt*\x* Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a \x + \xo 2:8 \xo*\xt I Kor 15:25\xt*\x*malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li. \p \v 9 Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, \x + \xo 2:9 \xo*\xt Trav 3:13\xt*\x*akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun. \p \v 10 Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi \x + \xo 2:10 \xo*\xt Wo 11:36\xt*\x*pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou \x + \xo 2:10 \xo*\xt Eb 5:9\xt*\x*rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo. \p \v 11 Paske Sila ki \x + \xo 2:11 \xo*\xt Eb 13:12\xt*\x*fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè. \v 12 Li di: \q1 \x + \xo 2:12 \xo*\xt Sòm 22:22\xt*\x*“Mwen va pwokame non Ou a frè m yo. \q1 Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou. \p \v 13 Epi ankò: \q1 \x + \xo 2:13 \xo*\xt És 8:17\xt*\x*“Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.” \m E ankò: \q1 \x + \xo 2:13 \xo*\xt És 8:18\xt*\x*“Gade, Mwen menm avèk pitit \q1 ke Bondye te ban Mwen yo.” \p \v 14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje \x + \xo 2:14 \xo*\xt Mat 16:17\xt*\x*chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; \v 15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akoz\x + \xo 2:15 \xo*\xt Wo 8:15\xt*\x*perèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo. \p \v 16 Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo. \p \v 17 Pou sa ta vin rive, li te \x + \xo 2:17 \xo*\xt Fil 2:7\xt*\x*oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè \x + \xo 2:17 \xo*\xt Dan 9:24\xt*\x* yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo. \v 18 Paske akoz ke Li menm te \x + \xo 2:18 \xo*\xt Eb 4:15\xt*\x*tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo. \c 3 \p \v 1 Konsa, frè sen yo, patisipan a yon \x + \xo 3:1 \xo*\xt Fil 3:14\xt*\x*apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a. \v 2 Li te fidèl a Sila ki te chwazi Li a, menmjan \x + \xo 3:2 \xo*\xt Egz 40:16\xt*\x*Moïse osi te fidèl nan tout kay Li a. \v 3 \x + \xo 3:3 \xo*\xt II Kor 3:7-11\xt*\x*Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm. \v 4 Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye. \v 5 Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon \x + \xo 3:5 \xo*\xt Nonb 12:7\xt*\x*sèvitè \x + \xo 3:5 \xo*\xt Det 18:18\xt*\x*pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; \v 6 Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. \x + \xo 3:6 \xo*\xt I Kor 3:16\xt*\x*Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an. \p \v 7 Konsa, jan Lespri Sen an di a: \q1 \x + \xo 3:7 \xo*\xt Sòm 95:8\xt*\x*“Jodi a, si nou tande vwa Li, \q1 \v 8 pa fè tèt nou di, jan lè yo te fè M fache a, \q1 pandan jou tribilasyon yo nan dezè a, \q1 \v 9 \x + \xo 3:9 \xo*\xt Sòm 95:11\xt*\x*kote Papa nou yo te fè eprèv mwen nan \q1 tante Mwen, e te vin wè zèv Mwen yo \q1 pandan \x + \xo 3:9 \xo*\xt Trav 7:36\xt*\x*karant ane. \q1 \v 10 \x + \xo 3:10 \xo*\xt Sòm 95:10\xt*\x*Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a, \q1 e M te di: \q1 ‘Yo toujou vin egare nan kè yo; \q1 e yo pa t konnen chemen Mwen yo’. \q1 \v 11 \x + \xo 3:11 \xo*\xt Sòm 95:11\xt*\x*Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, \q1 ‘Yo p ap antre nan repo Mwen’. \p \v 12 \x + \xo 3:12 \xo*\xt Kol 2:8\xt*\x*Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. \v 13 Men \x + \xo 3:13 \xo*\xt Eb 10:24\xt*\x*ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa \x + \xo 3:13 \xo*\xt Ef 4:22\xt*\x*sediksyon peche a. \p \v 14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris \x + \xo 3:14 \xo*\xt Eb 3:6\xt*\x*si nou kenbe fèm a premye \x + \xo 3:14 \xo*\xt Eb 11:1\xt*\x*asirans nou an jiska lafen; \v 15 Pandan ke li di: \q1 \x + \xo 3:15 \xo*\xt Sòm 95:7\xt*\x*“Jodi a si nou tande vwal L, \q1 pa andisi kè nou, \q1 jan lè yo te fè nan rebelyon an.” \p \v 16 Paske kilès ki te \x + \xo 3:16 \xo*\xt Jr 32:29\xt*\x*fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo? \p \v 17 Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo \x + \xo 3:17 \xo*\xt Nonb 14:29\xt*\x*ke kò yo te tonbe nan dezè a? \p \v 18 Epi a kilès Li te sèmante ke yo \x + \xo 3:18 \xo*\xt Nonb 14:23\xt*\x*pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo? \p \v 19 Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz \x + \xo 3:19 \xo*\xt Jn 3:18,36\xt*\x*enkwayans yo. \c 4 \p \v 1 Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin \x + \xo 4:1 \xo*\xt II Kor 6:1\xt*\x*rate li. \p \v 2 Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men \x + \xo 4:2 \xo*\xt Wo 10:17\xt*\x*pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a. \v 3 Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: \x + \xo 4:3 \xo*\xt Sòm 95:11\xt*\x*“Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan. \p \v 4 Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: \x + \xo 4:4 \xo*\xt Jen 2:2\xt*\x*“Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.” \p \v 5 E ankò nan pasaj sa a: \x + \xo 4:5 \xo*\xt Sòm 95:11\xt*\x*“Yo p ap antre nan repo Mwen.” \p \v 6 Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz \x + \xo 4:6 \xo*\xt Eb 3:18\xt*\x*dezobeyisans yo, \v 7 Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan \x + \xo 4:7 \xo*\xt Eb 3:7\xt*\x*menm jan ke Li te di avan an: \x + \xo 4:7 \xo*\xt Sòm 95:7\xt*\x*“Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.” \p \v 8 Paske \x + \xo 4:8 \xo*\xt Jos 22:4\xt*\x*si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa. \p \v 9 Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a. \v 10 Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan \x + \xo 4:10 \xo*\xt Jen 2:2\xt*\x*Bondye te fè pou zèv pa Li yo. \v 11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm \x + \xo 4:11 \xo*\xt II Pi 2:6\xt*\x*egzanp dezobeyisans lan. \p \v 12 Paske \x + \xo 4:12 \xo*\xt Jr 23:29\xt*\x*pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. \v 13 \x + \xo 4:13 \xo*\xt II Kwo 16:9\xt*\x*Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont. \p \v 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman \x + \xo 4:14 \xo*\xt Eb 2:17\xt*\x*wo prèt ki te \x + \xo 4:14 \xo*\xt Ef 4:10\xt*\x*travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. \v 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te \x + \xo 4:15 \xo*\xt Eb 2:18\xt*\x*tante nan tout bagay tankou nou menm, men \x + \xo 4:15 \xo*\xt II Kor 5:21\xt*\x*san peche. \p \v 16 Konsa, annou \x + \xo 4:16 \xo*\xt Eb 7:19\xt*\x*rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo. \c 5 \p \v 1 Paske tout wo prèt ki \x + \xo 5:1 \xo*\xt Egz 28:1\xt*\x*pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo. \v 2 Konsa,\x + \xo 5:2 \xo*\xt Eb 2:18\xt*\x*wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès. \v 3 Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis \x + \xo 5:3 \xo*\xt Lev 9:7\xt*\x*pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou. \v 4 \x + \xo 5:4 \xo*\xt Nonb 16:40\xt*\x*Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a. \v 5 Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li: \q1 \x + \xo 5:5 \xo*\xt Sòm 2:7\xt*\x*“Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”; \q1 \v 6 Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj: \q1 \x + \xo 5:6 \xo*\xt Sòm 110:4\xt*\x*“Ou se yon prèt pou tou tan \q1 selon modèl Melchisédek la.” \p \v 7 Nan jou lachè Li yo, \x + \xo 5:7 \xo*\xt Mat 26:39,42,44\xt*\x*Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. \v 8 Malgre Li te \x + \xo 5:8 \xo*\xt Eb 1:2\xt*\x*yon Fis, Li te aprann \x + \xo 5:8 \xo*\xt Fil 2:8\xt*\x*obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo. \v 9 Epi apre, lè L te vin \x + \xo 5:9 \xo*\xt Eb 2:10\xt*\x*pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la, \v 10 nonmen pa Bondye kòm \x + \xo 5:10 \xo*\xt Eb 2:17\xt*\x*wo prèt nan modèl a Melchisédek la. \p \v 11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. \v 12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou \x + \xo 5:12 \xo*\xt Eb 6:1\xt*\x*prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid. \p \v 13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo \x + \xo 5:13 \xo*\xt I Kor 3:1\xt*\x*bebe toujou. \v 14 Men manje solid la, se pou \x + \xo 5:14 \xo*\xt I Kor 2:6\xt*\x*granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal. \c 6 \p \v 1 Konsa, nan \x + \xo 6:1 \xo*\xt Fil 3:13\xt*\x*kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan \x + \xo 6:1 \xo*\xt Eb 9:14\xt*\x*zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, \v 2 \x + \xo 6:2 \xo*\xt Jn 3:25\xt*\x*lenstriksyon sou lave ak poze men yo, \x + \xo 6:2 \xo*\xt Trav 17:31\xt*\x*rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la. \v 3 Tout sa nou va fè \x + \xo 6:3 \xo*\xt Trav 18:21\xt*\x*si Bondye kite l fèt. \p \v 4 Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te \x + \xo 6:4 \xo*\xt II Kor 4:4,6\xt*\x*eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo, \v 5 \x + \xo 6:5 \xo*\xt I Pi 2:3\xt*\x*te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an, \v 6 e ki answit, te vin tonbe, se \x + \xo 6:6 \xo*\xt Eb 10:26\xt*\x*enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik. \p \v 7 Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a \x + \xo 6:7 \xo*\xt II Tim 2:6\xt*\x*sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye. \v 8 Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e \x + \xo 6:8 \xo*\xt Jen 3:17\xt*\x*prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile. \v 9 Men \x + \xo 6:9 \xo*\xt I Kor 10:14\xt*\x*byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale. \p \v 10 Paske \x + \xo 6:10 \xo*\xt Pwov 19:17\xt*\x*Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. \v 11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon \x + \xo 6:11 \xo*\xt Eb 3:6\xt*\x*espwa ranpli nan \x + \xo 6:11 \xo*\xt Eb 10:22\xt*\x*asirans konplè jiska lafen, \v 12 pou nou pa vin mou, men rete \x + \xo 6:12 \xo*\xt Eb 13:7\xt*\x*imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo. \p \v 13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te \x + \xo 6:13 \xo*\xt Jen 22:16\xt*\x*sèmante pa pwòp tèt Li. \v 14 Li te di: “Byensi \x + \xo 6:14 \xo*\xt Jen 22:17\xt*\x*Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” \v 15 Konsa, nan \x + \xo 6:15 \xo*\xt Jen 12:4\xt*\x*tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la. \p \v 16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi \x + \xo 6:16 \xo*\xt Egz 22:11\xt*\x*yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon. \p \v 17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre \x + \xo 6:17 \xo*\xt Eb 11:9\xt*\x*eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. \v 18 Pouke pa \x + \xo 6:18 \xo*\xt Nonb 23:19\xt*\x*de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. \v 19 Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki \x + \xo 6:19 \xo*\xt Lev 16:2,15\xt*\x*menm antre anndan vwal tanp lan, \v 20 \x + \xo 6:20 \xo*\xt Jn 14:2\xt*\x*kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la. \c 7 \p \v 1 Paske \x + \xo 7:1 \xo*\xt Jen 14:18-20\xt*\x*Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li, \v 2 a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè. \v 3 San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou \x + \xo 7:3 \xo*\xt Eb 7:28\xt*\x*Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan. \p \v 4 Alò, obsève kijan mesye sa a te gran; menm Abraham, \x + \xo 7:4 \xo*\xt Trav 2:29\xt*\x*patriyach la, te bay li yon dim nan pi bon pati piyaj sila a. \v 5 Konsa, sila vrèman de \x + \xo 7:5 \xo*\xt Nonb 18:21,26\xt*\x*fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham. \p \v 6 Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila \x + \xo 7:6 \xo*\xt Wo 4:13\xt*\x*ki te gen tout pwomès yo. \v 7 Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an. \p \v 8 Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo \x + \xo 7:8 \xo*\xt Eb 5:6\xt*\x*de sila ke yo temwaye ke li viv toujou. \v 9 Epi nou kapab di ke, selon Abraham menm Lévi, ki te resevwa dim yo, te peye dim yo, \v 10 paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a. \p \v 11 \x + \xo 7:11 \xo*\xt Eb 7:18\xt*\x*Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke \x + \xo 7:11 \xo*\xt Eb 10:1\xt*\x*pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an? \p \v 12 Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou. \v 13 Paske \x + \xo 7:13 \xo*\xt Eb 7:14\xt*\x*sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la. \p \v 14 Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann \x + \xo 7:14 \xo*\xt Nonb 24:17\xt*\x*sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo. \v 15 Epi sa pi klè toujou, si yon lòt prèt leve selon resanblans a Melchisédek, \v 16 ki pa t devni konsa sou baz a yon \x + \xo 7:16 \xo*\xt Eb 9:10\xt*\x*lwa lachè, men selon pouvwa a yon lavi ki pa t kab peri. \v 17 Paske li temwaye de Li: \x + \xo 7:17 \xo*\xt Sòm 110:4\xt*\x*“Ou se yon prèt pou tout tan nan modèl a Melchisédek la.” \p \v 18 Paske sou yon bò, yo mete sou kote ansyen kòmandman an \x + \xo 7:18 \xo*\xt Wo 8:3\xt*\x*akoz de feblès ak initilite li. \v 19 (Paske \x + \xo 7:19 \xo*\xt Trav 13:39\xt*\x*Lalwa pa t fè anyen pafè), epi sou lòt bò, yo mennen yon pi bon espwa, e atravè li menm nou vin rapwoche de Bondye. \v 20 E kòmsi, li pa t fèt yon prèt san yon sèman, \v 21 paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a: \q1 \x + \xo 7:21 \xo*\xt Sòm 110:4\xt*\x*“Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li; \q1 ‘Ou se yon prèt pou tout tan’.” \q1 Selon modèl a Melchisédek la.” \p \v 22 Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin \x + \xo 7:22 \xo*\xt Sòm 119:122\xt*\x*garanti a yon pi bon akò. \v 23 Lansyen prèt yo, sou yon bò, te egziste an gran nonb, paske lanmò te anpeche yo kontinye fè sèvis yo, \v 24 men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la \x + \xo 7:24 \xo*\xt És 9:7\xt*\x*pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan. \p \v 25 Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou \x + \xo 7:25 \xo*\xt Wo 8:34\xt*\x*entèsede pou yo. \p \v 26 Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen \x + \xo 7:26 \xo*\xt I Pi 2:22\xt*\x*inosan, san tach, separe de pechè yo e \x + \xo 7:26 \xo*\xt Eb 4:14\xt*\x*egzalte piwo ke syèl yo; \v 27 ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa \x + \xo 7:27 \xo*\xt Eb 9:12,28\xt*\x*yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a. \p \v 28 Paske Lalwa nonmen moun \x + \xo 7:28 \xo*\xt Eb 5:2\xt*\x*ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te \x + \xo 7:28 \xo*\xt Eb 2:10\xt*\x*fèt pafè pou tout tan. \c 8 \p \v 1 Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li \x + \xo 8:1 \xo*\xt Sòm 110:1\xt*\x*adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.” \v 2 Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan \x + \xo 8:2 \xo*\xt Eb 9:11,24\xt*\x*vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve. \p \v 3 Paske chak \x + \xo 8:3 \xo*\xt Eb 2:17\xt*\x*wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou. \v 4 Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki \x + \xo 8:4 \xo*\xt Eb 5:1\xt*\x*ofri don yo selon Lalwa, \v 5 ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske \x + \xo 8:5 \xo*\xt Egz 25:40\xt*\x*“Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.” \p \v 6 Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi \x + \xo 8:6 \xo*\xt I Tim 2:5\xt*\x*medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo. \p \v 7 Paske \x + \xo 8:7 \xo*\xt Eb 7:11\xt*\x*si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm. \v 8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di: \q1 \x + \xo 8:8 \xo*\xt Jr 31:31\xt*\x*“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a, \q1 lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la \q1 e avèk kay Juda a; \q1 \v 9 \x + \xo 8:9 \xo*\xt Egz 19:5\xt*\x*Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo \q1 nan jou ke M te pran yo nan men \q1 pou mennen yo sòti an Égypte la; \q1 paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an \q1 e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a. \q1 \v 10 \x + \xo 8:10 \xo*\xt Jr 31:33\xt*\x*Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la \q1 apre jou sa yo, di Senyè a: \q1 Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo, \q1 e Mwen va ekri yo nan kè yo. \q1 Mwen va Bondye yo, \q1 e yo va pèp Mwen. \q1 \v 11 \x + \xo 8:11 \xo*\xt Jr 31:34\xt*\x*Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo \q1 ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’, \q1 paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan \q1 pi piti jiska pi gran nan yo. \q1 \v 12 \x + \xo 8:12 \xo*\xt És 43:25\xt*\x*Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo \q1 e Mwen p ap sonje peche yo ankò. \p \v 13 Lè L te di: \x + \xo 8:13 \xo*\xt Luc 22:20\xt*\x*“Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt. \c 9 \p \v 1 Alò, menm premye akò a te gen \x + \xo 9:1 \xo*\xt Eb 9:10\xt*\x*règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. \v 2 Paske te gen \x + \xo 9:2 \xo*\xt Egz 25:8,9\xt*\x*yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an. \p \v 3 Andedan \x + \xo 9:3 \xo*\xt Egz 26:31-33\xt*\x*dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo. \v 4 Li gen yon \x + \xo 9:4 \xo*\xt Egz 30:1-5\xt*\x*lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. \v 5 Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.\x + \xo 9:5 \xo*\xt Egz 25:17,20\xt*\x* \p \v 6 Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap \x + \xo 9:6 \xo*\xt Nonb 18:2-6\xt*\x*toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye, \v 7 men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote \x + \xo 9:7 \xo*\xt Lev 16:11,14\xt*\x*san, ke li ofri pou tèt li a ak pou \x + \xo 9:7 \xo*\xt Nonb 15:25\xt*\x*peche ke pèp la te fè nan inyorans yo. \p \v 8 Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; \x + \xo 9:8 \xo*\xt Jn 14:6\xt*\x*ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe. \v 9 Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a \x + \xo 9:9 \xo*\xt Eb 5:1\xt*\x*ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li, \v 10 paske yo lye sèlman ak \x + \xo 9:10 \xo*\xt Lev 11:2\xt*\x*manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou \x + \xo 9:10 \xo*\xt Eb 7:12\xt*\x*lè tout bagay vin nèf. \p \v 11 Men lè Kris te parèt tankou \x + \xo 9:11 \xo*\xt Eb 2:17\xt*\x*wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. \v 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men \x + \xo 9:12 \xo*\xt Eb 9:14\xt*\x*nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl. \p \v 13 Paske si \x + \xo 9:13 \xo*\xt Lev 16:15\xt*\x*san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, \v 14 konbyen anplis ke \x + \xo 9:14 \xo*\xt Eb 9:12\xt*\x*san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an? \p \v 15 Pou rezon sila a, Li se \x + \xo 9:15 \xo*\xt I Tim 2:5\xt*\x*medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la. \p \v 16 Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la. \v 17 Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan. \p \v 18 Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san. \v 19 Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa \x + \xo 9:19 \xo*\xt Egz 24:6\xt*\x*li te pran san a towo ak kabrit \x + \xo 9:19 \xo*\xt Lev 14:4-7\xt*\x*avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la. \v 20 E konsa li te di: \x + \xo 9:20 \xo*\xt Egz 24:8\xt*\x*“Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an.” \p \v 21 Menm jan an, li te \x + \xo 9:21 \xo*\xt Egz 24:6\xt*\x*flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an. \v 22 Epi selon Lalwa, se \x + \xo 9:22 \xo*\xt Lev 5:11\xt*\x*prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon. \p \v 23 Konsa, li te nesesè pou kopi \x + \xo 9:23 \xo*\xt Eb 8:5\xt*\x*a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo. \p \v 24 Paske Kris \x + \xo 9:24 \xo*\xt Eb 4:14\xt*\x*pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. \v 25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm \x + \xo 9:25 \xo*\xt Eb 9:7\xt*\x*wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. \v 26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a \x + \xo 9:26 \xo*\xt Eb 7:27\xt*\x*pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan. \p \v 27 Epi konsa, jan \x + \xo 9:27 \xo*\xt Jen 3:19\xt*\x*sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa \x + \xo 9:27 \xo*\xt II Kor 5:10\xt*\x*jijman an vini an, \v 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou \x + \xo 9:28 \xo*\xt És 53:12\xt*\x*pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo. \c 10 \p \v 1 Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa \x + \xo 10:1 \xo*\xt Wo 8:3\xt*\x*janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo \x + \xo 10:1 \xo*\xt Eb 7:19\xt*\x* fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo. \v 2 Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap \x + \xo 10:2 \xo*\xt I Pi 2:19\xt*\x*vin sanse pechè ankò? \p \v 3 Men \x + \xo 10:3 \xo*\xt Eb 9:7\xt*\x*nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. \v 4 Paske se enposib pou \x + \xo 10:4 \xo*\xt Eb 9:12\xt*\x*san towo ak kabrit efase peche. \p \v 5 Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di: \q1 \x + \xo 10:5 \xo*\xt Sòm 40:6\xt*\x*“Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire, \q1 men yon kò Ou te prepare pou Mwen. \q1 \v 6 \x + \xo 10:6 \xo*\xt Sòm 40:6\xt*\x*Nan tout ofrann ki brile \q1 ak sakrifis pou peche, \q1 Ou pa t pran plezi. \q1 \v 7 \x + \xo 10:7 \xo*\xt Sòm 40:7,8\xt*\x*Answit, Mwen te di: \q1 ‘Gade, Mwen gen tan vini \q1 (nan woulo liv la li ekri de Mwen) \q1 “pou fè volonte Ou, o Bondye.’” \p \v 8 Lè L te fin di tout sa a: \x + \xo 10:8 \xo*\xt Sòm 40:6\xt*\x*“Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo). \p \v 9 Answit, Li te di: \x + \xo 10:9 \xo*\xt Sòm 40:7,8\xt*\x*“Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.” \p Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. \v 10 Pa volonte sila a, nou \x + \xo 10:10 \xo*\xt Jn 17:19\xt*\x*vin sanktifye pa \x + \xo 10:10 \xo*\xt Ef 5:2\xt*\x*ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout. \p \v 11 Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e \x + \xo 10:11 \xo*\xt Eb 5:1\xt*\x*l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki \x + \xo 10:11 \xo*\xt Mi 6:6-8\xt*\x*pa janm kapab efase peche yo. \p \v 12 Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li \x + \xo 10:12 \xo*\xt Sòm 110:1\xt*\x*te vin chita sou men dwat a Bondye, \v 13 pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an \x + \xo 10:13 \xo*\xt Sòm 110:1\xt*\x*jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li. \v 14 Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann \x + \xo 10:14 \xo*\xt Eb 10:1\xt*\x*pafè pou tout tan sila ki vin sen yo. \p \v 15 Epi \x + \xo 10:15 \xo*\xt Eb 3:7\xt*\x*Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di: \q1 \v 16 \x + \xo 10:16 \xo*\xt Jr 31:33\xt*\x*“Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo \q1 apre jou sa yo, di Senyè a; \q1 Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo, \q1 e nan panse yo, Mwen va ekri yo.” \p Li di answit: \q1 \v 17 \x + \xo 10:17 \xo*\xt Jr 31:34\xt*\x*“Epi peche ak inikite yo, \q1 Mwen p ap sonje yo ankò.” \p \v 18 Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò. \p \v 19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans \x + \xo 10:19 \xo*\xt Eb 9:25\xt*\x*pou antre nan lye sen an pa san Jésus a \v 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou \x + \xo 10:20 \xo*\xt Eb 6:19\xt*\x*atravè vwal la, ki se chè Li, \v 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt \x + \xo 10:21 \xo*\xt I Tim 3:15\xt*\x*lakay Bondye a, \v 22 annou \x + \xo 10:22 \xo*\xt Eb 7:19\xt*\x*rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. \v 23 Pou nou kenbe fèm a \x + \xo 10:23 \xo*\xt Eb 3:1\xt*\x*pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl. \p \v 24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab \x + \xo 10:24 \xo*\xt Eb 13:1\xt*\x*ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. \v 25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan \x + \xo 10:25 \xo*\xt Eb 3:13\xt*\x*ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche. \p \v 26 Paske si nou kontinye nan \x + \xo 10:26 \xo*\xt Nonb 15:30\xt*\x*peche volontèman aprè nou resevwa \x + \xo 10:26 \xo*\xt I Tim 2:4\xt*\x*konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, \v 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak \x + \xo 10:27 \xo*\xt És 26:11\xt*\x*yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo. \p \v 28 \x + \xo 10:28 \xo*\xt Det 17:2-6\xt*\x*Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. \v 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade \x + \xo 10:29 \xo*\xt Egz 24:8\xt*\x*san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la? \p \v 30 Paske nou konnen Sila ki te di a: \x + \xo 10:30 \xo*\xt Wo 12:19\xt*\x*“Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: \x + \xo 10:30 \xo*\xt Det 32:36\xt*\x*“Senyè a va jije pèp Li a.” \v 31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men \x + \xo 10:31 \xo*\xt Mat 16:16\xt*\x*Bondye vivan an. \p \v 32 Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin \x + \xo 10:32 \xo*\xt Eb 6:4\xt*\x*eklere, nou te andire yon gwo \x + \xo 10:32 \xo*\xt Fil 1:30\xt*\x*konfli soufrans \v 33 nan yon jan, nou te \x + \xo 10:33 \xo*\xt I Kor 4:9\xt*\x*devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te \x + \xo 10:33 \xo*\xt Fil 4:14\xt*\x*pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo. \v 34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l \x + \xo 10:34 \xo*\xt Mat 5:12\xt*\x*avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt. \p \v 35 Konsa, pa jete \x + \xo 10:35 \xo*\xt Eb 10:19\xt*\x*konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. \v 36 Paske nou oblije \x + \xo 10:36 \xo*\xt Luc 21:19\xt*\x*andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab \x + \xo 10:36 \xo*\xt Eb 9:15\xt*\x*resevwa sa ki te pwomèt a nou an. \q1 \v 37 \x + \xo 10:37 \xo*\xt Eb 2:3\xt*\x*“Paske nan yon tan ki kout, \q1 Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta. \q1 \v 38 \x + \xo 10:38 \xo*\xt Hab 2:4\xt*\x*Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; \q1 e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.” \p \v 39 Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la. \c 11 \p \v 1 Alò, lafwa se \x + \xo 11:1 \xo*\xt Eb 3:14\xt*\x*asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo. \p \v 2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te \x + \xo 11:2 \xo*\xt Eb 11:4,39\xt*\x*vin apwouve. \p \v 3 Pa lafwa nou konprann ke \x + \xo 11:3 \xo*\xt Jn 1:3\xt*\x*mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib. \p \v 4 Pa lafwa \x + \xo 11:4 \xo*\xt Jen 4:4\xt*\x*Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale. \p \v 5 Pa lafwa \x + \xo 11:5 \xo*\xt Jen 5:21-24\xt*\x*Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi. \p \v 6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki \x + \xo 11:6 \xo*\xt Eb 7:19\xt*\x*vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo. \p \v 7 Pa lafwa \x + \xo 11:7 \xo*\xt Jen 6:13-22\xt*\x*Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa. \p \v 8 Pa lafwa \x + \xo 11:8 \xo*\xt Jen 12:1-4\xt*\x*Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. \v 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan \x + \xo 11:9 \xo*\xt Trav 7:5\xt*\x*peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. \v 10 Paske li t ap chache \x + \xo 11:10 \xo*\xt Eb 12:22\xt*\x*vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm. \p \v 11 Pa lafwa, menm \x + \xo 11:11 \xo*\xt Jen 17:19\xt*\x*Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. \v 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e \x + \xo 11:12 \xo*\xt Wo 4:19\xt*\x*li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif \x + \xo 11:12 \xo*\xt Jen 22:17\xt*\x*kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.” \p \v 13 Tout sila yo te mouri nan lafwa \x + \xo 11:13 \xo*\xt Eb 11:39\xt*\x*san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo \x + \xo 11:13 \xo*\xt Jen 23:4\xt*\x*te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. \v 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. \v 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a \x + \xo 11:15 \xo*\xt Jen 24:6-8\xt*\x*yo t ap twouve chans pou retounen. \v 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon \x + \xo 11:16 \xo*\xt II Tim 4:18\xt*\x*peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske \x + \xo 11:16 \xo*\xt Eb 11:10\xt*\x*Li te prepare yon vil pou yo. \p \v 17 Pa lafwa \x + \xo 11:17 \xo*\xt Jen 22:1-10\xt*\x*Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te \x + \xo 11:17 \xo*\xt Eb 11:13\xt*\x*resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a. \v 18 Se te selon fis sa menm ke Li te di: \x + \xo 11:18 \xo*\xt Jen 21:12\xt*\x*“Nan Isaac, desandan ou yo va rele.” \p \v 19 Men li te konsidere ke \x + \xo 11:19 \xo*\xt Wo 4:21\xt*\x*Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vreman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an. \v 20 Pa lafwa \x + \xo 11:20 \xo*\xt Jen 27:27-29,39\xt*\x*Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo. \p \v 21 Pa lafwa \x + \xo 11:21 \xo*\xt Jen 48:1,5,16,20\xt*\x*Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li. \p \v 22 Pa lafwa \x + \xo 11:22 \xo*\xt Jen 50:24\xt*\x*Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo. \p \v 23 Pa lafwa \x + \xo 11:23 \xo*\xt Egz 2:2\xt*\x*Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè \x + \xo 11:23 \xo*\xt Egz 1:16,22\xt*\x*lòd wa a. \p \v 24 Pa lafwa, Moïse \x + \xo 11:24 \xo*\xt Egz 2:10,11\xt*\x*lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; \v 25 men li te chwazi pito \x + \xo 11:25 \xo*\xt Eb 11:37\xt*\x*sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. \v 26 Li te \x + \xo 11:26 \xo*\xt Luc 14:33\xt*\x*konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan. \p \v 27 Pa lafwa, li te \x + \xo 11:27 \xo*\xt Egz 2:15\xt*\x*kite Égypte, san \x + \xo 11:27 \xo*\xt Egz 2:14\xt*\x*krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la. \v 28 Pa lafwa, li te \x + \xo 11:28 \xo*\xt Egz 12:21\xt*\x*fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo. \v 29 Pa lafwa yo te \x + \xo 11:29 \xo*\xt Egz 14:22-29\xt*\x*travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt. \v 30 Pa lafwa \x + \xo 11:30 \xo*\xt Jos 6:20\xt*\x*miray Jéricho yo te tonbe \x + \xo 11:30 \xo*\xt Jos 6:15\xt*\x*apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou. \p \v 31 Pa lafwa \x + \xo 11:31 \xo*\xt Jos 2:9\xt*\x*Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè. \p \v 32 Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon \x + \xo 11:32 \xo*\xt Jij 4; Jij 5\xt*\x*Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, \v 33 ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te \x + \xo 11:33 \xo*\xt II Sam 7:11\xt*\x*resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. \v 34 Yo te \x + \xo 11:34 \xo*\xt Dan 3:23\xt*\x*etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale. \p \v 35 \x + \xo 11:35 \xo*\xt I Wa 17:23\xt*\x*Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon. \v 36 Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm \x + \xo 11:36 \xo*\xt Jen 39:20\xt*\x*chenn ak prizon tou. \p \v 37 Yo te \x + \xo 11:37 \xo*\xt I Wa 21:13\xt*\x*lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete— \v 38 moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te \x + \xo 11:38 \xo*\xt I Wa 18:4,13\xt*\x*gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo. \p \v 39 Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo \x + \xo 11:39 \xo*\xt Eb 10:36\xt*\x*pa t resevwa sa ki te pwomèt la. \v 40 Paske Bondye te ranje yon \x + \xo 11:40 \xo*\xt Eb 11:16\xt*\x*pi bon pwovizyon pou nou menm \x + \xo 11:40 \xo*\xt Rev 6:11\xt*\x*pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè. \c 12 \p \v 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi \x + \xo 12:1 \xo*\xt Wo 13:12\xt*\x*mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, \v 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus \x + \xo 12:2 \xo*\xt Eb 2:10\xt*\x*fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te \x + \xo 12:2 \xo*\xt Fil 2:8\xt*\x*sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a. \p \v 3 Paske \x + \xo 12:3 \xo*\xt Rev 2:3\xt*\x*konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje. \p \v 4 \x + \xo 12:4 \xo*\xt Eb 10:32\xt*\x*Nou poko reziste jis rive \x + \xo 12:4 \xo*\xt Fil 2:8\xt*\x*pou rann san nan lit nou kont peche. \v 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo: \q1 \x + \xo 12:5 \xo*\xt Job 5:17\xt*\x*“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a, \q1 ni vin febli lè nou korije pa Li; \q1 \v 6 \x + \xo 12:6 \xo*\xt Pwov 3:12\xt*\x*Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo, \q1 e Li fwete tout fis ke L resevwa.” \p \v 7 Se pou disiplin ke nou andire. \x + \xo 12:7 \xo*\xt Det 8:5\xt*\x*Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? \v 8 Men si nou san disiplin \x + \xo 12:8 \xo*\xt I Pi 5:9\xt*\x*kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis. \p \v 9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a \x + \xo 12:9 \xo*\xt Nonb 16:22\xt*\x*Papa a tout lespri yo, e \x + \xo 12:9 \xo*\xt És 38:16\xt*\x*viv? \v 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou \x + \xo 12:10 \xo*\xt II Pi 1:4\xt*\x*pou nou kapab pataje sentete Li a. \p \v 11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay \x + \xo 12:11 \xo*\xt És 32:17\xt*\x*fwi lapè ladwati a. \p \v 12 Konsa \x + \xo 12:12 \xo*\xt És 35:3\xt*\x*ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, \v 13 epi \x + \xo 12:13 \xo*\xt Pwov 4:26\xt*\x*fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri. \p \v 14 \x + \xo 12:14 \xo*\xt Wo 14:19\xt*\x*Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. \v 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn \x + \xo 12:15 \xo*\xt Det 29:18\xt*\x*rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin \x + \xo 12:15 \xo*\xt Tit 1:15\xt*\x*konwonpi. \v 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen \x + \xo 12:16 \xo*\xt I Tim 1:9\xt*\x*san Bondye tankou Esaü \x + \xo 12:16 \xo*\xt Jen 25:33\xt*\x*ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. \v 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, \x + \xo 12:17 \xo*\xt Jen 27:30-40\xt*\x*lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye. \p \v 18 Paske nou pa t vin kote \x + \xo 12:18 \xo*\xt Egz 19:12,16\xt*\x*yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt \v 19 ni a \x + \xo 12:19 \xo*\xt Mat 24:31\xt*\x*gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap \x + \xo 12:19 \xo*\xt Egz 20:19\xt*\x*mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. \v 20 Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: \x + \xo 12:20 \xo*\xt Egz 19:12\xt*\x*“Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.” \v 21 Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: \x + \xo 12:21 \xo*\xt Det 9:19\xt*\x*“Mwen plen lakrent ak tranbleman”. \p \v 22 Men \x + \xo 12:22 \xo*\xt Rev 14:1\xt*\x*nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak \x + \xo 12:22 \xo*\xt Eb 11:10\xt*\x*vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, \v 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo \x + \xo 12:23 \xo*\xt Luc 10:20\xt*\x*ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, \v 24 epi anvè Jésus \x + \xo 12:24 \xo*\xt I Tim 2:5\xt*\x*medyatè yon akò tounèf la, e anvè \x + \xo 12:24 \xo*\xt Eb 9:19\xt*\x*san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. \v 25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te \x + \xo 12:25 \xo*\xt Egz 20:22\xt*\x*avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. \v 26 Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: \x + \xo 12:26 \xo*\xt Ag 2:6\xt*\x*“Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.” \p \v 27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke \x + \xo 12:27 \xo*\xt És 34:4\xt*\x*va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. \v 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon \x + \xo 12:28 \xo*\xt Dan 2:44\xt*\x*wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. \v 29 Paske \x + \xo 12:29 \xo*\xt Det 4:24\xt*\x*Bondye nou an se yon dife k ap devore. \c 13 \p \v 1 Kite \x + \xo 13:1 \xo*\xt Wo 12:10\xt*\x*lanmou pou frè yo kontinye. \p \v 2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou \x + \xo 13:2 \xo*\xt Jen 18:1\xt*\x*bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen. \p \v 3 \x + \xo 13:3 \xo*\xt Kol 4:18\xt*\x*Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a. \p \v 4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; \x + \xo 13:4 \xo*\xt I Kor 6:9\xt*\x*paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo. \p \v 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: \x + \xo 13:5 \xo*\xt Det 31:6,8\xt*\x*“Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” \v 6 pou nou di avèk konfyans: \q1 \x + \xo 13:6 \xo*\xt Sòm 118:6\xt*\x*“Senyè a se soutyen mwen. \q1 Mwen p ap pè. \q1 Sa lòm ka fè m?” \p \v 7 Sonje \x + \xo 13:7 \xo*\xt Eb 13:17,24\xt*\x*sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo. \p \v 8 \x + \xo 13:8 \xo*\xt Eb 8:12\xt*\x*Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan. \p \v 9 \x + \xo 13:9 \xo*\xt Ef 4:14\xt*\x*Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje \x + \xo 13:9 \xo*\xt Eb 9:10\xt*\x*ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo. \p \v 10 Nou gen yon lotèl \x + \xo 13:10 \xo*\xt I Kor 10:18\xt*\x*kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje. \v 11 Paske \x + \xo 13:11 \xo*\xt Egz 29:14\xt*\x*kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an. \v 12 Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la \x + \xo 13:12 \xo*\xt Eb 9:12\xt*\x*ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la. \v 13 Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an \x + \xo 13:13 \xo*\xt Luc 9:23\xt*\x*pou pote repwòch Li yo. \p \v 14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an. \p \v 15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se \x + \xo 13:15 \xo*\xt És 57:19\xt*\x*fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo. \p \v 16 Epi pa neglije fè sa ki bon e \x + \xo 13:16 \xo*\xt Wo 12:13\xt*\x*pataje youn avèk lòt. Paske \x + \xo 13:16 \xo*\xt Fil 4:18\xt*\x*nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi. \p \v 17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske \x + \xo 13:17 \xo*\xt Éz 3:17\xt*\x*yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou. \v 18 Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon \x + \xo 13:18 \xo*\xt Trav 24:16\xt*\x*bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay. \v 19 Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa \x + \xo 13:19 \xo*\xt Phm 22\xt*\x*pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm. \p \v 20 Koulye a, ke \x + \xo 13:20 \xo*\xt Wo 15:33\xt*\x*Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a \x + \xo 13:20 \xo*\xt Jn 10:11\xt*\x*gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, \v 21 \x + \xo 13:21 \xo*\xt I Pi 5:10\xt*\x*ekipe nou nan tout bon zèv, pou \x + \xo 13:21 \xo*\xt Fil 2:13\xt*\x*fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen. \p \v 22 Men mwen ankouraje nou \x + \xo 13:22 \xo*\xt Eb 3:1\xt*\x*frè m yo, pou sipòte \x + \xo 13:22 \xo*\xt I Pi 5:12\xt*\x*pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman. \v 23 Byen aprann ke \x + \xo 13:23 \xo*\xt Trav 16:1\xt*\x*frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit. \v 24 Salye \x + \xo 13:24 \xo*\xt I Kor 16:16\xt*\x*tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou. \v 25 Ke lagras rete avèk nou tout.