\id HAB \ide UTF-8 \h Habacuc \toc1 HABACUC \toc2 Habacuc \toc3 Hab \mt1 HABACUC \c 1 \p \v 1 \x + \xo 1:1 \xo*\xt És 13:1 \xt*\x*Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè. \v 2 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Sòm 13:1,2\xt*\x*Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou \x + \xo 1:2 \xo*\xt Jr 14:9 \xt*\x*pa delivre. \v 3 Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se \x + \xo 1:3 \xo*\xt Jr 20:8\xt*\x*destriksyon ak vyolans ki devan mwen; \x + \xo 1:3 \xo*\xt Jr 15:10 \xt*\x*gwo konfli ak kont k ap leve toupatou. \v 4 Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.\x + \xo 1:4 \xo*\xt Sòm 58:1,2; És 5:20\xt*\x* \p \v 5 “Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l. \v 6 Paske, gade byen, Mwen ap \x + \xo 1:6 \xo*\xt II Wa 24:2\xt*\x*leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou \x + \xo 1:6 \xo*\xt Jr 8:10 \xt*\x*sezi kote ki pa pou yo. \v 7 Yo plen tout moun ak gwo \x + \xo 1:7 \xo*\xt És 18:2,7\xt*\x*laperèz, ak lakrent. \x + \xo 1:7 \xo*\xt Jr 39:5-9 \xt*\x*Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm. \v 8 \x + \xo 1:8 \xo*\xt Jr 4:13\xt*\x*Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke \x + \xo 1:8 \xo*\xt So 3:3 \xt*\x*lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore. \v 9 Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo \x + \xo 1:9 \xo*\xt II Wa 12:17 \xt*\x* se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab. \v 10 Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo. \v 11 Tankou \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jr 2:3 \xt*\x*van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jr 4:11\xt*\x*koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.” \p \v 12 Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon. \v 13 Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?\x + \xo 1:13 \xo*\xt Sòm 50:21; Sòm 35:25 \xt*\x* \v 14 Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo? \v 15 Pou Kaldeyen yo, yo \x + \xo 1:15 \xo*\xt Jr 16:16 \xt*\x* rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo \x + \xo 1:15 \xo*\xt Sòm 10:9\xt*\x*rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan. \v 16 Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil. \v 17 Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye \x + \xo 1:17 \xo*\xt És 14:5,6 \xt*\x*detwi nasyon yo san mizerikòd? \c 2 \p \v 1 Mwen va kanpe sou pòs gad mwen, e mwen va pran pozisyon sou ranpa a. Mwen va \x + \xo 2:1 \xo*\xt Sòm 5:3\xt*\x*veye san rete pou wè \x + \xo 2:1 \xo*\xt Sòm 85:8 \xt*\x*ki sa Li va pale avèk mwen, ak jan pou m ta reponn, selon plent mwen pote bay L. \p \v 2 Konsa SENYÈ a te reponn mwen. Li te di: \x + \xo 2:2 \xo*\xt Det 27:8 \xt*\x*“Ekri vizyon an e montre li klè sou tablo, pou sila k ap kouri a, ka li l. \v 3 Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, \x + \xo 2:3 \xo*\xt Sòm 27:14\xt*\x*tann li; paske anverite, li va vini. Li \x + \xo 2:3 \xo*\xt Éz 12:25 \xt*\x*p ap fè mize. \v 4 Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men \x + \xo 2:4 \xo*\xt Wo 1:17 \xt*\x*moun dwat la va viv pa lafwa li. \v 5 Anplis, diven devwale yon \x + \xo 2:5 \xo*\xt Pwov 21:24\xt*\x*moun ògeye, ki pa rete lakay li. \x + \xo 2:5 \xo*\xt Pwov 27:20 \xt*\x*L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm. \p \v 6 “Èske tout moun sa yo p ap \x + \xo 2:6 \xo*\xt És 14:4-10 \xt*\x*Leve yon chan mokè kont li, yon tire pwen kont li pou di: “Malè a sila ki ogmante sa ki pa pou li— pou jiskilè l ap fè tèt li rich ak chantay li yo?” \v 7 Èske moun ki dwe w yo p ap leve \x + \xo 2:7 \xo*\xt Pwov 29:1 \xt*\x*sibitman? Èske yo p ap vin souleve? Anverite, ou va vin piyaj pou yo. \v 8 Akoz ou te \x + \xo 2:8 \xo*\xt És 33:1 \xt*\x*piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo. \p \v 9 “Malè a sila ki jwenn \x + \xo 2:9 \xo*\xt Jr 22:13\xt*\x*avantaj malonèt pou lakay li a, pou \x + \xo 2:9 \xo*\xt Jr 49:16 \xt*\x*mete nich li byen wo, pou l ta ka delivre soti nan men a gwo malè! \v 10 Ou te machinen yon gwo wont pou lakay ou nan detwi anpil pèp. Konsa, ou te \x + \xo 2:10 \xo*\xt Jr 26:19 \xt*\x*peche kont pwòp nanm ou. \v 11 Anverite, wòch la va kriye soti nan mi an, e poto travès la va reponn li.\x + \xo 2:11 \xo*\xt Jos 24:27\xt*\x* \p \v 12 “Malè a sila ki \x + \xo 2:12 \xo*\xt Mi 3:10 \xt*\x*bati yon vil ak san vèse, e ki fonde yon vil ak inikite! \v 13 Anverite, èske sa pa soti nan SENYÈ dèzame yo pou moun travay di pou dife a, e nasyon yo fatige kò yo pou granmesi?\x + \xo 2:13 \xo*\xt És 50:11\xt*\x* \v 14 Paske latè va \x + \xo 2:14 \xo*\xt Sòm 22:27 \xt*\x*ranpli ak konesans ak laglwa SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè. \p \v 15 “Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo! \v 16 Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. \x + \xo 2:16 \xo*\xt Jr 25:15,17\xt*\x*Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e \x + \xo 2:16 \xo*\xt Na 3:6 \xt*\x*wont total va ranplase laglwa ou. \v 17 Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo. \p \v 18 “Ki pwofi ki gen nan zidòl la, lè mèt li fin taye l? Swa yon imaj, fome pa yon\x + \xo 2:18 \xo*\xt Jr 10:8,14\xt*\x*pwofesè k ap bay manti? Paske sila menm ki te fè l la mete konfyans li nan pwòp zèv li a, lè l fòme zidòl ki bebe. \v 19 Malè a sila ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se sila a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e \x + \xo 2:19 \xo*\xt Sòm 135:17 \xt*\x*pa gen okenn souf ladann. \v 20 Men SENYÈ a la nan sen tanp Li. Ke tout tè a fè silans devan Li.”\x + \xo 2:20 \xo*\xt Mi 1:2; So 1:7 \xt*\x* \c 3 \p \v 1 Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la. \q1 \v 2 SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm \q1 e mwen kanpe etonnen nèt. \q1 O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. \q1 Fè yo vin koni nan mitan ane yo. \q1 Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.\x + \xo 3:2 \xo*\xt Sòm 71:20; Hab 1:5 \xt*\x* \q1 \v 3 Bondye soti nan Théman; \q1 Sila ki Sen an soti nan Mòn \x + \xo 3:3 \xo*\xt Jr 49:7; Jen 21:21 \xt*\x*Paran. \qs Tan \qs* \b \q1 Bèlte Li kouvri syèl la, \q1 e tè a vin plen ak lwanj Li. \q1 \v 4 \x + \xo 3:4 \xo*\xt Sòm 18:12\xt*\x*Ekla Li tankou reyon solèy la. \q1 Gen tras klate limyè ki soti nan men L, \q1 e nanpwen anyen ki kache de \x + \xo 3:4 \xo*\xt Job 26:14 \xt*\x*pouvwa Li. \q1 \v 5 Devan Li, tout kalite touman mache; \q1 dèyè Li, epidemi a swiv sou pye L.\x + \xo 3:5 \xo*\xt Egz 12:29-30\xt*\x* \q1 \v 6 Li te kanpe; \q1 tè a te sikwe. \q1 Li te gade; \q1 nasyon yo te \x + \xo 3:6 \xo*\xt Job 21:18; Hab 1:12\xt*\x*etone. \q1 Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, \q1 ansyen kolin yo te vin efondre. \q1 Chemen li yo dire jis pou tout tan. \q1 \v 7 Mwen te wè tant a Cush yo \x + \xo 3:7 \xo*\xt Egz 15:14-16\xt*\x* anba detrès. \q1 Rido tant a Madian yo t ap tranble. \q1 \v 8 Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo? \q1 Èske se ak rivyè yo Ou te fache? \q1 Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a, \q1 ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo, \q1 sou cha delivrans Ou yo?\x + \xo 3:8 \xo*\xt Egz 7:19,20; Egz 14:16,21 \xt*\x* \q1 \v 9 Ou te rale banza a soti nan fouwo l; \q1 Ou te rele flech ou yo fè semàn an. \qs Selah.\qs* \q1 Ou te fann tè a ak rivyè yo.\x + \xo 3:9 \xo*\xt Sòm 78:16\xt*\x* \q1 \v 10 Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble. \q1 Flèv dlo yo te kouri desann. \q1 Pwofondè a te gwononde. \q1 Li te \x + \xo 3:10 \xo*\xt Sòm 93:3\xt*\x* leve men l anlè. \q1 \v 11 \x + \xo 3:11 \xo*\xt Jos 10:12-14\xt*\x*Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. \q1 Nan eklè flèch Ou yo, \q1 ak briyans lans Ou yo, \q1 solay ak lalin nan te kanpe sou plas. \q1 \v 12 Nan gwo kòlè Ou, Ou te \x + \xo 3:12 \xo*\xt Sòm 68:7\xt*\x*mache travèse tè a. \q1 Nan kòlè Ou, Ou te \x + \xo 3:12 \xo*\xt És 41:15 \xt*\x*foule mache sou nasyon yo. \q1 \v 13 Ou te soti pou \x + \xo 3:13 \xo*\xt Egz 15:2\xt*\x*delivrans a pèp Ou a, \q1 pou sali pèp onksyon Ou an. \q1 Ou te frape tèt peyi mechanste an. \q1 Ou te ekspoze li nèt, \q1 depi nan kwis li pou rive nan kou l. \qs Selah. \qs* \b \q1 \v 14 Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo. \q1 Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou. \q1 Ak gwo lajwa yo te tankou sila \q1 ki devore malere an sekrè yo.\x + \xo 3:14 \xo*\xt Dan 11:40; Sòm 10:8 \xt*\x* \q1 \v 15 Ou te \x + \xo 3:15 \xo*\xt Sòm 77:19\xt*\x*foule mache sou lanmè a \q1 ak cheval Ou yo, \q1 sou lam lanmè a k ap boulvèse dlo a. \q1 \v 16 Mwen te tande, \q1 e zantray mwen te tranble. \q1 Lèv mwen te tranble ak son vwa a. \q1 Pouiti la lantre nan zo m, \q1 mwen te tranble sou plas, \q1 paske \x + \xo 3:16 \xo*\xt Luc 21:19\xt*\x*mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, \q1 tan pèp la k ap leve vin anvayi nou. \q1 \v 17 Menmsi \x + \xo 3:17 \xo*\xt Jl 1:10-12\xt*\x*pye fig la pa ta fleri, \q1 ni pa gen fwi sou branch rezen yo, \q1 menmsi donn oliv la vin sispann, \q1 e chan yo pa pwodwi manje, \q1 menmsi bann mouton an ta koupe \q1 separe de pak la, \q1 e pa gen bèf nan pak la, \q1 \v 18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a. \q1 Mwen va rejwi nan \x + \xo 3:18 \xo*\xt Sòm 25:5\xt*\x*Bondye, sali mwen. \q1 Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an. \q1 \v 19 Senyè BONDYE mwen an se \x + \xo 3:19 \xo*\xt Sòm 18:32,33\xt*\x*fòs mwen. \q1 Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf; \q1 Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo. \p Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.