\id GEN \ide UTF-8 \h Jenèz \toc1 JENÈZ \toc2 Jenèz \toc3 Jen \mt1 JENÈZ \c 1 \p \v 1 \x + \xo 1:1 \xo*\xt Sòm 102:25\xt*\x*Nan kòmansman an Bondye te \x + \xo 1:1 \xo*\xt Job 38:4\xt*\x*kreye syèl yo ak tè a. \v 2 Latè te san \x + \xo 1:2 \xo*\xt Jr 4:23\xt*\x*fòm e vid, epi \x + \xo 1:2 \xo*\xt Job 38:9\xt*\x*tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a. \p \v 3 Alò \x + \xo 1:3 \xo*\xt Sòm 33:6-9\xt*\x*Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. \v 4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te \x + \xo 1:4 \xo*\xt És 45:7\xt*\x*separe limyè a avèk tenèb la. \v 5 Bondye \x + \xo 1:5 \xo*\xt Sòm 74:16\xt*\x* te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou. \p \v 6 Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran \x + \xo 1:6 \xo*\xt És 40:22\xt*\x*espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. \v 7 Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk lo ki te \x + \xo 1:7 \xo*\xt Sòm 148:4\xt*\x*anwo gran espas la. Se konsa sa te ye. \v 8 Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou. \p \v 9 Alò Bondye te di: “\x + \xo 1:9 \xo*\xt Sòm 104:6-9\xt*\x*Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke \x + \xo 1:9 \xo*\xt 24:1-2\xt*\x*tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt. \v 10 Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki \x + \xo 1:10 \xo*\xt Sòm 33:7\xt*\x*rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon. \p \v 11 Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk \x + \xo 1:11 \xo*\xt Sòm 65:9-13\xt*\x*bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt. \v 12 Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon. \v 13 Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou. \p \v 14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen \x + \xo 1:14 \xo*\xt Sòm 74:16\xt*\x*limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; \v 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. \v 16 Bondye te fè de gran limyè, pi \x + \xo 1:16 \xo*\xt Sòm 136:8-9\xt*\x*gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. \v 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, \v 18 epi pou \x + \xo 1:18 \xo*\xt Jr 31:35\xt*\x*gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. \v 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou. \p \v 20 Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” \v 21 Bondye te kreye \x + \xo 1:21 \xo*\xt Sòm 104:25-28\xt*\x*gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon. \v 22 Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” \v 23 Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou. \p \v 24 \x + \xo 1:24 \xo*\xt Jen 2:19\xt*\x*Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. \v 25 Bondye te fè \x + \xo 1:25 \xo*\xt Jen 7:21-22\xt*\x*bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon. \p \v 26 Alò Bondye te di, \x + \xo 1:26 \xo*\xt Sòm 8:6-8\xt*\x*“Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”. \p \v 27 Bondye te kreye lòm, \x + \xo 1:27 \xo*\xt Jen 5:1\xt*\x*nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. \v 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, \x + \xo 1:28 \xo*\xt Jen 9:1-7\xt*\x*“Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”. \p \v 29 Alò Bondye te di, “Gade byen, \x + \xo 1:29 \xo*\xt Sòm 104:14\xt*\x*Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; \v 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl a, chak bagay kab fè mouvman ou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa. \x + \xo 1:30 \xo*\xt Sòm 145:15-16\xt*\x* \p \v 31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te \x + \xo 1:31 \xo*\xt Sòm 104:24-28\xt*\x*trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou. \c 2 \p \v 1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout \x + \xo 2:1 \xo*\xt Det 4:19\xt*\x*lame yo. \p \v 2 Nan \x + \xo 2:2 \xo*\xt Egz 20:8-11\xt*\x*setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. \v 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a. \p \v 4 \x + \xo 2:4 \xo*\xt Job 38:4-11\xt*\x*Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la. \v 5 \x + \xo 2:5 \xo*\xt Jen 1:11\xt*\x*Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. \v 6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. \v 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan \x + \xo 2:7 \xo*\xt Jen 3:19\xt*\x* pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e \x + \xo 2:7 \xo*\xt I Kor 15:45\xt*\x*lòm te devni yon nanm vivan. \p \v 8 Senyè Bondye a te plante yon \x + \xo 2:8 \xo*\xt Jen 13:10\xt*\x*jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. \v 9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen \x + \xo 2:9 \xo*\xt Jen 3:22\xt*\x*ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la. \p \v 10 Alò, yon \x + \xo 2:10 \xo*\xt Sòm 46:4\xt*\x*rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. \v 11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jen 25:18\xt*\x*Havila, kote ki gen lò a. \v 12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. \v 13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. \v 14 Yo rele twazyèm rivyè \x + \xo 2:14 \xo*\xt Dan 10:4\xt*\x*Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se \x + \xo 2:14 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*Euphrate. \p \v 15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li. \p \v 16 Senyè Bondye a te \x + \xo 2:16 \xo*\xt Jen 3:2-3\xt*\x*kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, \v 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, \x + \xo 2:17 \xo*\xt Det 30:15-20 \xt*\x*ou va mouri.” \p \v 18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va \x + \xo 2:18 \xo*\xt I Kor 11:9 \xt*\x*fè yon asistan jan li dwe genyen”. \p \v 19 \x + \xo 2:19 \xo*\xt Jen 1:24\xt*\x*Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. \v 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon \x + \xo 2:20 \xo*\xt Jen 2:18\xt*\x*asistan sanblab ak li. \p \v 21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon \x + \xo 2:21 \xo*\xt Jen 15:2\xt*\x*Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. \v 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk \x + \xo 2:22 \xo*\xt I Kor 11:8-9\xt*\x*kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li. \p \v 23 Lòm nan te di: “\x + \xo 2:23 \xo*\xt Jen 29:14\xt*\x*Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm. \p \v 24 \x + \xo 2:24 \xo*\xt Mat 19:5 \xt*\x*“Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” \v 25 \x + \xo 2:25 \xo*\xt Jen 3:7,10,11\xt*\x*Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont. \c 3 \p \v 1 Alò, \x + \xo 3:1 \xo*\xt II Kor 11:3 \xt*\x*sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’” \p \v 2 Fanm nan te di a sèpan an: “\x + \xo 3:2 \xo*\xt Jen 2:16\xt*\x*Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; \v 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.” \p \v 4 \x + \xo 3:4 \xo*\xt Jn 8:44\xt*\x*Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” \v 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e \x + \xo 3:5 \xo*\xt És 14:4 \xt*\x*nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal. \p \v 6 \x + \xo 3:6 \xo*\xt Wo 5:12-19 \xt*\x*Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. \v 7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin \x + \xo 3:7 \xo*\xt És 47:3\xt*\x*konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye. \p \v 8 Yo te tande son a \x + \xo 3:8 \xo*\xt Lev 26:12\xt*\x*SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. \v 9 Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “\x + \xo 3:9 \xo*\xt Jen 4:9\xt*\x*Kote ou ye?” \p \v 10 Adam te reponn: “\x + \xo 3:10 \xo*\xt Egz 20:18-19\xt*\x*Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.” \p \v 11 Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a? \p \v 12 \x + \xo 3:12 \xo*\xt Job 31:33 \xt*\x*Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.” \v 13 Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: \x + \xo 3:13 \xo*\xt II Kor 11:3 \xt*\x*“Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.” \p \v 14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se \x + \xo 3:14 \xo*\xt És 65:25\xt*\x*pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. \v 15 Mwen va mete \x + \xo 3:15 \xo*\xt Rev 12:17\xt*\x*rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.” \p \v 16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan \x + \xo 3:16 \xo*\xt Jn 16:21\xt*\x*fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.” \p \v 17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, \x + \xo 3:17 \xo*\xt Jen 5:29\xt*\x*tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. \v 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. \v 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou \x + \xo 3:19 \xo*\xt Sòm 90:3\xt*\x*retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.” \p \v 20 Alò, lòm nan te rele fanm li an \x + \xo 3:20 \xo*\xt II Kor 11:3\xt*\x*Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo. \p \v 21 SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo. \v 22 Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan \x + \xo 3:22 \xo*\xt Jen 2:9\xt*\x*ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” \v 23 Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a. \p \v 24 Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone \x + \xo 3:24 \xo*\xt Egz 25:18-22\xt*\x*cheriben nan avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a. \c 4 \p \v 1 Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” \v 2 Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi \x + \xo 4:2 \xo*\xt Luc 11:50-51 \xt*\x*Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a. \p \v 3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. \v 4 \x + \xo 4:4 \xo*\xt Eb 11:5\xt*\x*Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo. \p Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, \v 5 men pou \x + \xo 4:5 \xo*\xt I Sam 16:7 \xt*\x*Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba. \p \v 6 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “\x + \xo 4:6 \xo*\xt Jn 4:4\xt*\x*Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? \v 7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? \x + \xo 4:7 \xo*\xt Nonb 32:23\xt*\x*Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, \x + \xo 4:7 \xo*\xt Job 11:14-15\xt*\x*men ou oblije vin mèt li.” \p \v 8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te \x + \xo 4:8 \xo*\xt Mat 23:35 \xt*\x*touye li. \p \v 9 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “\x + \xo 4:9 \xo*\xt Jen 3:9\xt*\x*Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?” \p \v 10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? \x + \xo 4:10 \xo*\xt Nonb 35:33 \xt*\x*Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. \v 11 Koulye a \x + \xo 4:11 \xo*\xt Jen 3:14\xt*\x*ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. \v 12 Depi koulye a, \x + \xo 4:12 \xo*\xt Det 28:15-24\xt*\x*lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.” \p \v 13 Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! \v 14 Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; \x + \xo 4:14 \xo*\xt Det 28:64-67 \xt*\x*mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e \x + \xo 4:14 \xo*\xt Nonb 35:19 \xt*\x*nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.” \p \v 15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li \x + \xo 4:15 \xo*\xt Jen 4:24\xt*\x*sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. \v 16 Konsa, Cain te sòti de prezans \x + \xo 4:16 \xo*\xt II Wa 24:20\xt*\x* SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an. \p \v 17 Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a. \v 18 Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec. \p \v 19 Lémec te pran pou li \x + \xo 4:19 \xo*\xt Jen 2:24\xt*\x*de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla. \v 20 Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo. \v 21 Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo. \v 22 Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama. \p \v 23 Lémec te di a madanm li yo: \q1 “Ada avèk Tsilla, koute vwa m. \q1 Nou menm ki madanm a Lémec yo; \q1 byen okipe pawòl mwen. \q1 \x + \xo 4:23 \xo*\xt Egz 20:13\xt*\x*Paske mwen te touye yon mesye \q1 akoz ke li blese m; \q1 e yon gason akoz li frape m. \q1 \v 24 Si Cain vanje \x + \xo 4:24 \xo*\xt Jen 4:15\xt*\x*sèt fwa, \q1 alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.” \p \v 25 Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, \x + \xo 4:25 \xo*\xt Jen 4:8\xt*\x*paske Cain te touye li”. \v 26 Pou Seth, li menm, li te bay nesans a \x + \xo 4:26 \xo*\xt Jen 3:9; Luc 3:38\xt*\x*yon fis, epi li te rele non li Énosch. \p Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a. \c 5 \p \v 1 Sa se liv jenerasyon Adan yo. \p Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l \x + \xo 5:1 \xo*\xt Jen 1:26-27\xt*\x*nan imaj Bondye. \v 2 Li te kreye yo \x + \xo 5:2 \xo*\xt Mat 19:4 \xt*\x*mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a. \p \v 3 Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth. \v 4 Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi. \v 5 Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri. \p \v 6 Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch. \v 7 Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi. \v 8 Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri. \p \v 9 Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan. \v 10 Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi. \v 11 Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri. \p \v 12 Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel. \v 13 Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi. \v 14 Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri. \p \v 15 Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred. \v 16 Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi. \v 17 Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri. \p \v 18 Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc. \v 19 Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi. \v 20 Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri. \p \v 21 Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah. \v 22 Alò, Hénoc te \x + \xo 5:22 \xo*\xt Mi 6:8\xt*\x*mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi. \v 23 Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane. \v 24 Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te \x + \xo 5:24 \xo*\xt II Wa 2:10\xt*\x*pran l. \p \v 25 Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec. \v 26 Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi. \v 27 Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri. \p \v 28 Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis. \v 29 Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan \x + \xo 5:29 \xo*\xt Jen 3:17-19\xt*\x*tè ke SENYÈ a te modi a.” \v 30 Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi. \v 31 Paske tout jou a Lémec te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri. \p \v 32 Noé te gen laj \x + \xo 5:32 \xo*\xt Jen 7:6\xt*\x*senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet. \c 6 \p \v 1 Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi, \v 2 ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi. \p \v 3 Alò SENYÈ a te di: “\x + \xo 6:3 \xo*\xt Gal 5:16-17\xt*\x*Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.” \p \v 4 Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo. \p \v 5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. \v 6 Epi \x + \xo 6:6 \xo*\xt Jr 18:7-10\xt*\x*SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te \x + \xo 6:6 \xo*\xt És 63:10\xt*\x*blese Li nan kè L. \p \v 7 SENYÈ a te di: \x + \xo 6:7 \xo*\xt Det 28:63\xt*\x*“Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.” \p \v 8 Men Noé te \x + \xo 6:8 \xo*\xt Jen 19:19\xt*\x*twouve favè nan zye SENYÈ a. \p \v 9 Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. \p Noé se te yon moun ak \x + \xo 6:9 \xo*\xt II Pi 2:5\xt*\x*ladwati, \x + \xo 6:9 \xo*\xt Jen 17:1\xt*\x*san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye. \v 10 Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet. \p \v 11 Alò tè a te vin \x + \xo 6:11 \xo*\xt Det 31:29\xt*\x*konwonpi nan zye Bondye, e latè te \x + \xo 6:11 \xo*\xt Esd 8:17\xt*\x*vin plen ak vyolans. \p \v 12 Bondye te gade sou latè, e gade byen, li te vin konwonpi; paske tout chè te vin konwonpi sou tè a nan jan yo te mache. \v 13 Alò, Bondye te di a Noé: \x + \xo 6:13 \xo*\xt És 34:1-4\xt*\x*“Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. \v 14 Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè. Ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin. \v 15 Se konsa ke ou va fè l: longè lach la va twa san koude (18 pous se yon koude), lajè li va senkant koude, e wotè li va trant koude. \v 16 Ou va fè yon fenèt pou lach la, fè l rive yon koude mwens ke wotè li. Konsa, plase pòt lach la rive sou de kote li yo. Fè li ak pi ba, dezyèm, avèk twazyèm etaj. \p \v 17 “Gade byen, \x + \xo 6:17 \xo*\xt II Pi 2:5 \xt*\x*Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri. \p \v 18 “Men Mwen va etabli \x + \xo 6:18 \xo*\xt Jen 9:9-16\xt*\x*akò Mwen avèk ou. Konsa, ou va antre nan lach la—ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou. \p \v 19 \x + \xo 6:19 \xo*\xt Jen 7:2-15 \xt*\x*“Epi soti nan tout chè de tout kalite bèt k ap viv, ou va pote de nan chak espès pou antre nan lach la, pou kenbe yo vivan ak nou. Konsa, yo va mal avèk femèl. \v 20 “Nan zwazo yo selon espès pa yo, nan bèt yo selon espès pa yo, chak sa ki kouri atè reptil selon espès pa l. De nan chak espès va vin kote ou, pou ou ka kenbe yo toujou vivan. \v 21 Pou ou menm, pran pou pwòp tèt ou kèk nan tout bagay ki kab manje, e rasanble yo pou ou menm. Yo va sèvi pou ou kòm manje pou ou, ak pou yo.” \p \v 22 Konsa Noé te fè l. Selon tout sa ke Bondye te kòmande li, se konsa li te fè l. \c 7 \p \v 1 Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a. \v 2 Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li. Nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li. \v 3 Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a. \v 4 Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a \x + \xo 7:4 \xo*\xt Jen 6:7-13 \xt*\x*chak èt vivan ke Mwen te fè.” \p \v 5 \x + \xo 7:5 \xo*\xt Jen 6:22\xt*\x*Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la. \v 6 Alò, Noé te gen laj \x + \xo 7:6 \xo*\xt Jen 5:32\xt*\x*sis-san ane lè delij la te vini sou latè. \p \v 7 \x + \xo 7:7 \xo*\xt Jen 6:18\xt*\x*Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la. \v 8 \x + \xo 7:8 \xo*\xt Jen 6:19-20 \xt*\x*Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo, \v 9 tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a. \v 10 Li te rive apre \x + \xo 7:10 \xo*\xt Jen 7:4\xt*\x*sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè. \p \v 11 Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, \x + \xo 7:11 \xo*\xt Jen 8:2\xt*\x*tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri. \v 12 \x + \xo 7:12 \xo*\xt Jen 7:4-17 \xt*\x*Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit. \p \v 13 O jis nan menm jou sa a, \x + \xo 7:13 \xo*\xt Jen 6:18\xt*\x*Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la, \v 14 yo menm avèk chak bèt selon espès yo, tout bèt domestik selon espès pa yo, tout reptil ki kouri atè selon espès pa yo, ak tout kalite zwazo. \v 15 Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa \x + \xo 7:15 \xo*\xt Jen 6:19\xt*\x*de nan tout chè ki te gen souf lavi. \v 16 Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li. \p \v 17 Konsa delij la te vini sou latè a pandan \x + \xo 7:17 \xo*\xt Jen 7:4\xt*\x*karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a. \v 18 Dlo a te monte. Li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a. \v 19 Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri. \v 20 Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e \x + \xo 7:20 \xo*\xt Jen 8:4\xt*\x*mòn yo te vin kouvri. \p \v 21 \x + \xo 7:21 \xo*\xt Jen 6:7\xt*\x*Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun. \v 22 Tout sa ki te sou tè sèk la, \x + \xo 7:22 \xo*\xt Jen 2:7\xt*\x*ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri. \v 23 Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl \x + \xo 7:23 \xo*\xt Mat 24:38-39 \xt*\x*Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la. \p \v 24 Dlo a te monte kouvri tout tè a pandan san-senkant jou. \c 8 \p \v 1 E Bondye te sonje Noé avèk tout bèt ki te avèk li nan lach la. Konsa, \x + \xo 8:1 \xo*\xt Egz 14:21\xt*\x*Bondye te fè yon van pase sou tè a, e dlo yo te vin bese. \p \v 2 \x + \xo 8:2 \xo*\xt Jen 7:11\xt*\x*Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e \x + \xo 8:2 \xo*\xt Jen 7:4-12\xt*\x*lapli ki te sòti nan syèl la te sispann. \v 3 Dlo a te bese ofiramezi sou tè a. E apre \x + \xo 8:3 \xo*\xt Jen 7:24\xt*\x*san-senkant jou, dlo a te vin mwens. \p \v 4 Nan setyèm mwa, nan dis-setyèm jou nan mwa a, lach la te vin poze sou mòn Ararat la. \v 5 Dlo a te bese toujou jis nan dizyèm mwa a. Nan dizyèm mwa, nan premye jou mwa a, tèt mòn yo te vin vizib. \p \v 6 Alò, li te vin rive ke lè karant jou yo fin pase, Noé te ouvri \x + \xo 8:6 \xo*\xt Jen 6:16\xt*\x*fenèt lach la, ke li te fè a. \v 7 Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a. \v 8 Epi li te voye deyò yon toutrèl sòti kote li, pou wè si dlo a te bese sou fas tè a, \v 9 men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm. \p \v 10 Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la. \v 11 Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a. \p \v 12 Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye \x + \xo 8:12 \xo*\xt Jr 48:28 \xt*\x*toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò. \p \v 13 Alò, li te vin rive ke nan \x + \xo 8:13 \xo*\xt Jen 7:6\xt*\x*sis-san-en ane, nan premye mwa, dlo a te fin seche kite tè a. Konsa, Noé te retire kouvèti lach la. Li te gade, e gade byen, sifas tè a te vin sèch. \v 14 Nan dezyèm mwa, nan venn-sèt jou nan mwa a, tè a te sèch. \p \v 15 Alò, Bondye te pale avèk Noé. Li te di: \v 16 Sòti nan lach la, ou menm avèk madanm ou, fis ou yo, avèk madanm a fis ou yo. \v 17 Mete deyò avèk ou tout chè vivan ki avèk ou, zwazo, animal, ak tout bèt sila yo ki kouri atè, pou yo kapab \x + \xo 8:17 \xo*\xt Jen 1:22-28 \xt*\x*kouple anpil sou latè, pou vin fekon, e miltipliye anpil sou tè a. \p \v 18 Alò, Noé te sòti, ak fis li yo avèk madanm li, e madanm a fis li yo. \v 19 Chak bèt, chak reptil ki kouri atè, e chak zwazo, tout bagay ki fè mouvman sou latè yo, te sòti nan lach la selon espès pa yo. \p \v 20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak \x + \xo 8:20 \xo*\xt Jen 7:2\xt*\x*bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la. \p \v 21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm \x + \xo 8:21 \xo*\xt És 54:9\xt*\x*modi tè a ankò akoz lòm, paske \x + \xo 8:21 \xo*\xt Jen 6:5\xt*\x*lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a. \p \v 22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, \x + \xo 8:22 \xo*\xt Sòm 74:17\xt*\x*fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.” \c 9 \p \v 1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “\x + \xo 9:1 \xo*\xt Jen 1:28\xt*\x*Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. \v 2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. \v 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la. \p \v 4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di \x + \xo 9:4 \xo*\xt Lev 7:26 \xt*\x*san li. \v 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. \x + \xo 9:5 \xo*\xt Egz 21:28-29\xt*\x*Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun. \p \v 6 \x + \xo 9:6 \xo*\xt Egz 21:12-14\xt*\x*“Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm. \v 7 Epi pou nou, \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jen 9:1\xt*\x*se pou nou vin fekon, e miltipliye. Peple tè a anpil, e miltipliye ladann.” \p \v 8 Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di: \v 9 “Gade byen, \x + \xo 9:9 \xo*\xt Jen 6:18\xt*\x*Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo, \v 10 epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou tè a. \p \v 11 “Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè \x + \xo 9:11 \xo*\xt Jen 8:21; És 54:9\xt*\x*p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi tè a.” \p \v 12 Bondye te di: “Sa se \x + \xo 9:12 \xo*\xt Jen 9:13-17 \xt*\x*sign akò ke m ap fè antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. \v 13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a. \v 14 Li va rive ke lè m mennen yon nwaj sou latè, ke lakansyèl la ap vizib nan nwaj la, \v 15 epi \x + \xo 9:15 \xo*\xt Lev 26:42-45 \xt*\x*Mwen va sonje akò ki antre Mwen menm avèk nou an, avèk chak kreyati vivan de tout chè. Epi janmen ankò dlo p ap vin yon delij pou detwi tout chè. \p \v 16 “Lè lakansyèl la nan nwaj la, Mwen va gade sou li, pou m sonje \x + \xo 9:16 \xo*\xt Jen 17:13-19 \xt*\x*akò ki jis pou tout tan antre Bondye ak tout kreyati vivan pou tout chè ki sou latè yo.” \p \v 17 Epi Bondye te di a Noé: “Sa se sign akò ke Mwen te etabli antre Mwen ak tout chè ki rete sou tè a.” \p \v 18 Alò, fis Noé yo ki te soti nan lach la se te Sem, Cham, ak Japhet. Epi \x + \xo 9:18 \xo*\xt Jen 9:25-27\xt*\x*Cham te papa Canaan. \v 19 Twa sila yo se te fis Noé yo, e \x + \xo 9:19 \xo*\xt Jen 9:1-7 \xt*\x*nan twa sila yo tout tè a te vin peple. \p \v 20 Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen. \v 21 Li te bwè diven, e li te \x + \xo 9:21 \xo*\xt Pwov 20:1 \xt*\x*vin sou. Konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an. \p \v 22 Cham, papa Canaan nan, \x + \xo 9:22 \xo*\xt Hab 2:15\xt*\x*te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a. \p \v 23 Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo. Figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li. \p \v 24 Lè Noé te leve nan dòmi aprè diven an, li te konnen sa ke pi jenn fis li a te fè l la. \v 25 Konsa li te di: \q1 \x + \xo 9:25 \xo*\xt Det 27:16\xt*\x*“ Canaan se modi. \q1 \x + \xo 9:25 \xo*\xt Jos 9:23 \xt*\x* Se sèvitè l ap ye anvè frè li yo.” \p \v 26 Li te di osi: \q1 \x + \xo 9:26 \xo*\xt Jen 14:20\xt*\x*“Beni se SENYÈ a, Bondye a Cham nan. \q1 Canaan va sèvitè li. \q1 \v 27 \x + \xo 9:27 \xo*\xt Jen 10:2-5\xt*\x*Ke Bondye agrandi Japhet. \q1 Kite li viv nan tant Sem yo. \q1 Kite Canaan vin sèvitè li.” \p \v 28 Noé te viv twa-san-senkant ane aprè delij la. \v 29 Alò, tout jou a Noé yo te nèf-san-senkant ane, e li te mouri. \c 10 \p \v 1 Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la. \p \v 2 \x + \xo 10:2 \xo*\xt I Kor 1:5-7 \xt*\x*Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras. \p \v 3 Fis Gomer yo te \x + \xo 10:3 \xo*\xt Jr 51:27 \xt*\x*Aschkenaz, Riphat avèk Togarma. \p \v 4 Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim. \p \v 5 Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo. \p \v 6 \x + \xo 10:6 \xo*\xt I Kwo 1:8-10\xt*\x*Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan. \p \v 7 Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan. \p \v 8 Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè. \v 9 Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”. \p \v 10 Kòmansman wayòm li an te \x + \xo 10:10 \xo*\xt Jen 11:9\xt*\x*Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo. \v 11 De teritwa sila a, li te antre \x + \xo 10:11 \xo*\xt Mi 5:6\xt*\x*nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach, \v 12 Avèk Résen antre Ninive e Calach, ki se gran vil la. \p \v 13 Mitsraïm te devni papa \x + \xo 10:13 \xo*\xt Jr 46:9 \xt*\x*Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim. \v 14 Avèk \x + \xo 10:14 \xo*\xt I Kwo 1:12 \xt*\x*Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim. \p \v 15 Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk \x + \xo 10:15 \xo*\xt Jen 23:3\xt*\x*Heth; \v 16 epi \x + \xo 10:16 \xo*\xt Jen 15:19-21\xt*\x*Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo, \v 17 Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo, \v 18 avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou. \p \v 19 \x + \xo 10:19 \xo*\xt Nonb 34:2-12 \xt*\x*Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza, kote lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha. \p \v 20 Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon pa yo. \p \v 21 Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit. \v 22 Fis a Sem yo te \x + \xo 10:22 \xo*\xt Jen 14:1-9 \xt*\x*Élam, Assur, \x + \xo 10:22 \xo*\xt Jen 11:10 \xt*\x*Arpacschad, Lud, avèk Aram. \p \v 23 Fis Aram yo te \x + \xo 10:23 \xo*\xt Job 1:1 \xt*\x*Uts, Hul, Guéter avèk Masch. \p \v 24 Arpacschad te fè \x + \xo 10:24 \xo*\xt Jen 11:12\xt*\x*Schélach, epi Schélach te fè Héber. \p \v 25 \x + \xo 10:25 \xo*\xt I Kwo 1:19\xt*\x*Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan. \p \v 26 Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach, \v 27 Hadoram, Uzal, Dikla, \v 28 Obal, Abimaël, Séba, \v 29 Ophir, Havila ak Jbab. Tout sa yo te fis pou Jokthan. \v 30 Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, teritwa mòn lès la. \p \v 31 Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon yo. \p \v 32 Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, \x + \xo 10:32 \xo*\xt Jen 9:19\xt*\x*selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la. \c 11 \p \v 1 Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo. \v 2 Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele \x + \xo 11:2 \xo*\xt Jen 10:10\xt*\x*Schinear, e yo te vin rete la. \p \v 3 Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak \x + \xo 11:3 \xo*\xt Jen 14:10\xt*\x*azfòt kòm mòtye. \v 4 Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon \x + \xo 11:4 \xo*\xt Jen 6:4\xt*\x* gran non, sof ke sa, nou \x + \xo 11:4 \xo*\xt Det 4:27\xt*\x*va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.” \p \v 5 \x + \xo 11:5 \xo*\xt Jen 18:21\xt*\x*SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. \v 6 Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen \x + \xo 11:6 \xo*\xt Jen 11:1\xt*\x*menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche. \v 7 Vini, \x + \xo 11:7 \xo*\xt Jen 1:26\xt*\x*annou desann e \x + \xo 11:7 \xo*\xt Det 28:49\xt*\x*konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.” \p \v 8 Pou sa, SENYÈ a te \x + \xo 11:8 \xo*\xt Jen 11:4\xt*\x*gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la. \v 9 Pou koz sa a, yo te rele non vil la \x + \xo 11:9 \xo*\xt Jen 10:10\xt*\x*Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a. \p \v 10 \x + \xo 11:10 \xo*\xt Jen 10:22-25\xt*\x*Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la. \v 11 Epi Sem te viv senk-santane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi. \p \v 12 Arpacschad te viv trant-senk ane, lè l te vin papa a Schélach. \v 13 Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi. \p \v 14 Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber; \v 15 epi Schélach te viv kat-san-twazane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi. \p \v 16 Héber te viv pandan trant-kat ane, lè l te devni papa a Péleg; \v 17 epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi. \p \v 18 Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu. \v 19 Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi. \p \v 20 Rehu te viv pandan trant-de ane, lè l te vin papa a Serug. \v 21 Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi. \p \v 22 Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor. \v 23 Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi. \p \v 24 Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach; \v 25 epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi. \p \v 26 Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin \x + \xo 11:26 \xo*\xt Jos 24:2\xt*\x*papa a Abram, Nachor, ak Haran. \p \v 27 Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran. \p Haran te fè \x + \xo 11:27 \xo*\xt Jen 13:10\xt*\x*Lot. \v 28 Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan \x + \xo 11:28 \xo*\xt Jen 11:31\xt*\x*Ur pou Kaldeyen yo. \v 29 Abram avèk \x + \xo 11:29 \xo*\xt Jen 24:10\xt*\x*Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te \x + \xo 11:29 \xo*\xt Jen 17:5\xt*\x*Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca. \v 30 \x + \xo 11:30 \xo*\xt Jen 16:1\xt*\x*Saraï te esteril. Li pa t fè pitit. \p \v 31 Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite \x + \xo 11:31 \xo*\xt Jen 15:7\xt*\x*Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la. \p \v 32 Jou a Térach yo te de-san-senk ane. Térach te vin mouri Haran. \c 12 \p \v 1 Alò, \x + \xo 12:1 \xo*\xt Jen 15:7\xt*\x*SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. \v 2 \x + \xo 12:2 \xo*\xt Det 26:5\xt*\x*Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. \x + \xo 12:2 \xo*\xt Za 8:13\xt*\x*Ou va yon benediksyon. \v 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. \x + \xo 12:3 \xo*\xt Jen 22:13\xt*\x*Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.” \p \v 4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. \x + \xo 12:4 \xo*\xt Jen 11:27-31 \xt*\x*Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran. \v 5 Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout \x + \xo 12:5 \xo*\xt Jen 13:6\xt*\x*zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan. \p \v 6 Abram te pase nan peyi a jis rive \x + \xo 12:6 \xo*\xt Jen 35:4\xt*\x*Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a. \p \v 7 SENYÈ a \x + \xo 12:7 \xo*\xt Jen 17:1\xt*\x*te parèt a Abram. Li te di: “\x + \xo 12:7 \xo*\xt Jen 13:5\xt*\x*A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.” \p Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a. \p \v 8 Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk \x + \xo 12:8 \xo*\xt Jos 8:9-12 \xt*\x*Béthel nan lwès, ak Aï nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a. \p \v 9 Abram te vwayaje toujou vè \x + \xo 12:9 \xo*\xt Jen 13:1-3\xt*\x*Negev. \v 10 Alò te gen yon \x + \xo 12:10 \xo*\xt Jen 26:1\xt*\x*gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman \x + \xo 12:10 \xo*\xt Jen 43:1\xt*\x*di nan peyi a. \p \v 11 Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se \x + \xo 12:11 \xo*\xt Jen 26:7\xt*\x*yon fanm ki tèlman bèl! \v 12 \x + \xo 12:12 \xo*\xt Jen 20:11\xt*\x*Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv. \v 13 Souple, di ke se \x + \xo 12:13 \xo*\xt Jen 20:2-12 \xt*\x*sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.” \p \v 14 Li te vin rive ke lè Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te wè ke fanm nan te byen bèl. \v 15 Ofisyèl Farawon yo te wè li e te pote lwanj li bay Farawon. Konsa, yo te pran fanm nan fè l antre lakay Farawon an. \v 16 Pou sa li te trete Abram byen pou koz li. Li \x + \xo 12:16 \xo*\xt Jen 13:2\xt*\x*te bay li mouton avèk bèf kabwa avèk bourik, ak sèvitè, ni mal ni femèl, ak femèl bourik avèk chamo. \p \v 17 Men SENYÈ a te \x + \xo 12:17 \xo*\xt Jen 20:18\xt*\x*frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan. \p \v 18 Epi Farawon te rele Abram. Li te di li: “\x + \xo 12:18 \xo*\xt Jen 20:9-10 \xt*\x*Kisa ou fè m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou? \v 19 Poukisa ou te di: Li se sè m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale.” \p \v 20 Farawon te kòmande mesye pa l yo konsènan li, epi yo te akonpanye l ale, avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li yo. \c 13 \p \v 1 Alò, Abram te monte kite Égypte vè \x + \xo 13:1 \xo*\xt Jen 12:9\xt*\x*Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li. \v 2 Epi Abram te \x + \xo 13:2 \xo*\xt Jen 24:35\xt*\x*trè rich nan bèt, lajan ak nan lò. \p \v 3 Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, \x + \xo 13:3 \xo*\xt Jen 12:8\xt*\x*antre Béthel avèk Ai, \v 4 jis rive nan plas \x + \xo 13:4 \xo*\xt Jen 12:7-8 \xt*\x*lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a. \p \v 5 Alò, \x + \xo 13:5 \xo*\xt Jen 12:5\xt*\x*Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant. \p \v 6 Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm.\x + \xo 13:6 \xo*\xt Jen 36:7\xt*\x* \v 7 Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a. \p \v 8 \x + \xo 13:8 \xo*\xt Pwov 15:18 \xt*\x*Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye. \v 9 Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.” \p \v 10 Lot te leve zye li, e li te wè tout \x + \xo 13:10 \xo*\xt Det 34:3 \xt*\x*vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te \x + \xo 13:10 \xo*\xt Jen 19:24 \xt*\x*detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar. \v 11 Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt. \p \v 12 Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan \x + \xo 13:12 \xo*\xt Jen 14:2\xt*\x*gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome. \p \v 13 Alò, \x + \xo 13:13 \xo*\xt Jen 18:20\xt*\x*mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a. \p \v 14 SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; \x + \xo 13:14 \xo*\xt Jen 28:14 \xt*\x*vè nò, vè sid, vè lès ak lwès. \v 15 \x + \xo 13:15 \xo*\xt Jen 12:7\xt*\x*Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan. \p \v 16 “Mwen va fè desandan ou yo peple \x + \xo 13:16 \xo*\xt Jen 16:10\xt*\x*tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo. \v 17 Leve, \x + \xo 13:17 \xo*\xt Nonb 13:17-24 \xt*\x*mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”. \p \v 18 Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote \x + \xo 13:18 \xo*\xt Jen 14:13\xt*\x*bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a. \c 14 \p \v 1 Li te rive nan jou Amraphel yo, wa \x + \xo 14:1 \xo*\xt Jen 10:10\xt*\x*Schinear a, ke Arjoc, wa Ellasar a, Kedorlaomer, wa Élam nan, avèk Tideal, wa Gojim nan, \v 2 ke yo te vin fè lagè avèk Béra, wa Sodome nan, e avèk Birscha, wa Gomorrhe a, Schineab, wa Adma a, ak Schémbeébern wa Tseboïm nan, avèk wa a Béla a, ki se Tsoar. \p \v 3 Tout sila yo te vini nan yon alyans nan vale Siddim nan (sa vle di \x + \xo 14:3 \xo*\xt Nonb 34:12 \xt*\x*Lanmè Sèl la). \v 4 Pandan douz ane yo te sèvi Kedorlaomer, men nan trèzyèm ane a, yo te revòlte. \p \v 5 Nan katòzyèm ane a, Kedorlaomer ak wa ki te avè l yo, te vin bat \x + \xo 14:5 \xo*\xt Det 3:11,13\xt*\x*Rephaïm nan Ashterothkarnaim, Zuzim lan nan Ham, avèk Émim nan Schavé-Kirjathaïm. \v 6 Avèk Oryen yo nan mòn pa yo nan Séir jiska distans rive nan Al-Paran, ki touprè dezè a. \v 7 Epi yo vin retounen rive nan En-Mischpath, (ki se \x + \xo 14:7 \xo*\xt Nonb 13:26\xt*\x*Kadès), e yo te bat Amalesit yo nan tout peyi yo, e osi Amoreyen ki te rete \x + \xo 14:7 \xo*\xt II Kwo 20:2\xt*\x*Hatsatson-Thamar yo. \p \v 8 Epi wa Sodome nan avèk wa Gomorrhe a avèk wa Adma ak wa Tseboïm nan, e wa Béla a, (ki se Tsoar); te vin parèt. Yo ranje yo pou fè batay kont yo nan vale Siddim nan, \v 9 kont Kedorlaomer wa Élam nan, Tideal, wa Gojim nan, Amraphel, wa Schinear nan, ak Arjoc, wa Ellasar a; kat wa kont senk. \p \v 10 Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi \x + \xo 14:10 \xo*\xt Jen 14:17-22 \xt*\x*wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo. \p \v 11 Yo te pran tout byen Sodome avèk Gomorrhe yo avèk tout manje yo te genyen, e yo te pati. \v 12 Anplis, yo te pran Lot, neve a Abram nan avèk tout byen li, e yo te pati, \x + \xo 14:12 \xo*\xt Jen 13:12\xt*\x*paske li t ap viv Sodome. \p \v 13 Alò, yon moun ki te sove ale te vin di Abram, Ebre a, tout sa. Alò, li t ap viv bò kote chenn Mamré yo, Amoreyen sila a, frè Eschcol e frè Aner, ki te fè yon \x + \xo 14:13 \xo*\xt Jen 21:27-32 \xt*\x*alyans avèk Abram. \p \v 14 Lè Abram te tande ke \x + \xo 14:14 \xo*\xt Jen 14:12 \xt*\x*moun fanmi li te pran an kaptivite, li te Mennen dèzòm ki te enstwi, twa-san-diz-uit òm ki te elve nan kay li pou te pouswiv yo jis rive nan Dan. \v 15 \x + \xo 14:15 \xo*\xt Jij 7:16\xt*\x*Li te divize ekip li yo kont yo nan lannwit. Epi li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la. \v 16 Li te mennen fè retounen tout byen yo. Anplis, li te mennen tounen moun fanmi li an, Lot, avèk byen pa l, fanm, avèk lòt moun yo. \p \v 17 Apre Abram te sòti nan masak Kédorlaomer ak wa ki te avè l yo, wa Sodome nan te sòti pou rankontre l nan vale Schavé a, (sa vle di \x + \xo 14:17 \xo*\xt II Sam 18:18\xt*\x* Vale a Wa a). \p \v 18 Konsa, \x + \xo 14:18 \xo*\xt Eb 7:1-10\xt*\x*Melchisédek, wa Salèm nan te mennen pote pen avèk diven. Alò li menm se te yon prèt a Bondye Pi Wo a. \v 19 Li te beni li, e te di: “Beni, se Abram a Bondye Pi Wo a, \x + \xo 14:19 \xo*\xt Jen 14:22\xt*\x*Mèt Syèl la ak tè a. \v 20 Beniswa Bondye Pi Wo a, ki te lage lènmi yo nan men ou.” \p Abram te bay li yon \x + \xo 14:20 \xo*\xt Eb 7:4\xt*\x*dim de tout bagay. \p \v 21 Wa Sodome nan te di Abram: “Ban mwen moun yo, e ou mèt pran byen yo pou ou menm.” \p \v 22 Abram te di a Wa Sodome nan: “Mwen te sèmante a Senyè Bondye Pi Wo a, \x + \xo 14:22 \xo*\xt Sòm 24:1\xt*\x* Mèt sou syèl la avèk tè a, \v 23 ke mwen \x + \xo 14:23 \xo*\xt II Wa 5:16\xt*\x*p ap pran menm yon fisèl oswa yon sandal, ni yon las, ni anyen ki pou ou, akoz laperèz ke ou ta di ‘se ou ki fè Abram vin rich’. \v 24 Mwen p ap pran anyen sof ke sa ke jennonm yo te manje, ak pòsyon pou mesye ki te ale avè m yo, \x + \xo 14:24 \xo*\xt Jen 14:13\xt*\x*Aner, Eschcol, avèk Mamré; kite yo pran pòsyon pa yo.” \c 15 \p \v 1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “\x + \xo 15:1 \xo*\xt Jen 21:17\xt*\x*Pa pè, Abram, Mwen se yon \x + \xo 15:1 \xo*\xt Det 33:29\xt*\x*pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.” \p \v 2 Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?” \v 3 Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki \x + \xo 15:3 \xo*\xt Jen 14:14\xt*\x*fèt nan kay mwen an se eritye mwen.” \p \v 4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, \x + \xo 15:4 \xo*\xt Gal 4:28\xt*\x*men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.” \p \v 5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e \x + \xo 15:5 \xo*\xt Jen 22:17\xt*\x*kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.” \p \v 6 \x + \xo 15:6 \xo*\xt Wo 4:3,20-22 \xt*\x*Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li. \p \v 7 Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan \x + \xo 15:7 \xo*\xt Jn 11:31\xt*\x*Ur a Kaldeyen yo, pou \x + \xo 15:7 \xo*\xt Jen 13:15-17\xt*\x*bay ou peyi sa a pou posede li.” \p \v 8 Abram te di: “O Senyè BONDYE, \x + \xo 15:8 \xo*\xt Jij 6:36-40\xt*\x*kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?” \p \v 9 Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twzan, yon mal mouton nan twzan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.” \p \v 10 Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li \x + \xo 15:10 \xo*\xt Lev 1:17 \xt*\x*pa t koupe zwazo yo. \v 11 Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale. \p \v 12 Alò, lè solèy la t ap desann, \x + \xo 15:12 \xo*\xt Jen 2:21\xt*\x*yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li. \p \v 13 Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke \x + \xo 15:13 \xo*\xt Trav 7:6 \xt*\x*desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e \x + \xo 15:13 \xo*\xt Egz 1:11 \xt*\x*va oprime pandan kat-san ane. \v 14 Men mwen va osi jije nasyon \x + \xo 15:14 \xo*\xt Egz 12:32-38\xt*\x* ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen. \v 15 Men pou ou menm, \x + \xo 15:15 \xo*\xt Jen 25:8\xt*\x*ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse. \v 16 Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske \x + \xo 15:16 \xo*\xt Lev 18:24-28\xt*\x*inikite Amoreyen yo poko fini.” \p \v 17 Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te \x + \xo 15:17 \xo*\xt Jr 34:18-19 \xt*\x*pase antre mòso sa yo. \p \v 18 Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan \x + \xo 15:18 \xo*\xt Nonb 34:1-15 \xt*\x*larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate, \v 19 \x + \xo 15:19 \xo*\xt Egz 3:17 \xt*\x*peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo, \v 20 Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo, \v 21 Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.” \c 16 \p \v 1 Alò, \x + \xo 16:1 \xo*\xt Jen 11:30 \xt*\x*Saraï, madanm Abram nan pa t bay li pitit. Li te gen yon \x + \xo 16:1 \xo*\xt Jen 12:16 \xt*\x*sèvant Ejipsyen ki te rele Agar. \v 2 Konsa, Saraï te di Abram: “Alò, gade byen, SENYÈ a te anpeche m fè pitit. \x + \xo 16:2 \xo*\xt Jen 30:3-10 \xt*\x*Souple, al jwenn sèvant mwen an. Petèt mwen kapab vin gen pitit pa li menm.” Epi Abram te koute vwa a Saraï. \p \v 3 Apre Abram te viv \x + \xo 16:3 \xo*\xt Jen 12:4\xt*\x*dis lane nan peyi Canaan, madanm Abram nan, Saraï te pran Agar, sèvant Ejipsyen li an, e te bay li a mari li Abram kòm madanm li. \v 4 Li te al jwenn Agar, li te vin ansent, epi lè l te wè ke li te ansent, mètrès li a te vin meprize nan zye li. \p \v 5 Konsa, Saraï te di Abram: “\x + \xo 16:5 \xo*\xt Jr 51:35 \xt*\x*Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.” \p \v 6 Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” \p Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e \x + \xo 16:6 \xo*\xt Jen 16:9 \xt*\x*li te pran sove ale kite prezans li. \p \v 7 Alò \x + \xo 16:7 \xo*\xt Jen 21:17-18 \xt*\x*zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la. \v 8 Li te di a Agar, sèvant Saraï a, \x + \xo 16:8 \xo*\xt Jen 3:9\xt*\x*“Kibò ou sòti, e kibò ou prale?” \p Epi li te di: “M ap sove ale kite prezans mètrès mwen an, Saraï.” \p \v 9 Epi zanj SENYÈ a te di li: “Retounen bò kote mètrès ou, e soumèt ou anba otorite l.” \v 10 Plis ke sa, \x + \xo 16:10 \xo*\xt Jen 22:15-18\xt*\x*zanj SENYÈ a te di li: \x + \xo 16:10 \xo*\xt Jen 17:20\xt*\x*“Mwen va miltipliye desandan ou yo anpil pou yo vin twòp pou konte.” \p \v 11 Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz \x + \xo 16:11 \xo*\xt Egz 2:23-24\xt*\x*SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo. \v 12 Li va yon nonm tankou bourik mawon. Men li va kont tout moun, e men a tout moun va kont li. Epi li va viv yon jan \x + \xo 16:12 \xo*\xt Jen 25:18\xt*\x*ki kont tout frè li yo.” \p \v 13 Epi li te rele non SENYÈ a ki te pale avèk li: “Ou se yon Bondye ki wè a”, paske li te di: “\x + \xo 16:13 \xo*\xt Jen 32:20\xt*\x*Èske m ap vrèman rete vivan isit lè m fin wè Li”? \v 14 Pou sa, pwi a te rele Lachaï-roi. Gade byen, li la antre \x + \xo 16:14 \xo*\xt Jen 14:7\xt*\x*Kadès ak Bared. \p \v 15 Alò, Agar te fè yon fis pou Abram. \x + \xo 16:15 \xo*\xt Jen 12:4\xt*\x*E Abram te rele fis li a, ke Agar te fè a, Ismaël. \v 16 Abram te gen katre-ven-sis ane lè Agar te fè Ismaël pou li a. \c 17 \p \v 1 Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye \x + \xo 17:1 \xo*\xt Jen 28:3\xt*\x*Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete \x + \xo 17:1 \xo*\xt Jen 6:9\xt*\x*san fot. \v 2 Mwen va etabli \x + \xo 17:2 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*akò Mwen antre Mwen ak Ou, e Mwen va miltipliye ou anpil, anpil.” \p \v 3 Abram te tonbe atè sou figi li. Bondye te pale avèk li, e te di: \x + \xo 17:3 \xo*\xt Jen 17:17\xt*\x* \v 4 “Pou Mwen, koute byen, akò Mwen avè ou a. Ou va papa a yon \x + \xo 17:4 \xo*\xt Jen 35:11\xt*\x*gran kantite nasyon. \v 5 Yo p ap rele ou Abram ankò, men non ou va Abraham, paske \x + \xo 17:5 \xo*\xt Wo 4:17 \xt*\x*Mwen ap fè ou papa a yon gran kantite nasyon. \p \v 6 “M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e \x + \xo 17:6 \xo*\xt Jen 17:16\xt*\x*wa yo va soti nan ou menm. \p \v 7 “Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon \x + \xo 17:7 \xo*\xt Jen 17:13,19\xt*\x*akò k ap pou tout tan, \x + \xo 17:7 \xo*\xt Jen 26:24\xt*\x*pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo. \v 8 “Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.” \p \v 9 Bondye te di anplis a Abraham: “Koulye a pou ou, \x + \xo 17:9 \xo*\xt Egz 19:5\xt*\x*ou va kenbe akò Mwen an, ou menm avèk desandan apre ou yo pou tout jenerasyon. \v 10 \x + \xo 17:10 \xo*\xt Jn 7:22\xt*\x*Sa se akò Mwen, ke nou va kenbe antre Mwen ak nou menm, e desandan apre nou yo: chak mal pami nou va vin sikonsi. \p \v 11 “ \x + \xo 17:11 \xo*\xt Egz 12:48\xt*\x*“Nou va sikonsi nan chè sou avan chè nou, e sa ap sèvi kòm sign akò antre Mwen ak nou. \v 12 Epi chak mal antre nou ki gen \x + \xo 17:12 \xo*\xt Lev 12:3\xt*\x*uit jou va sikonsi selon tout jenerasyon nou yo, e osi yon sèvitè ki fèt lakay ou, oswa ki achte avèk lajan a nenpòt etranje ki pa sòti nan desandan pa nou yo. \v 13 Yon sèvitè ki fèt lakay nou, oswa ki te \x + \xo 17:13 \xo*\xt Egz 12:44\xt*\x*achte avèk lajan nou va asireman vin sikonsi; konsa akò Mwen va nan chè nou, yon akò pou tout tan. \v 14 Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.” \x + \xo 17:14 \xo*\xt Egz 4:24-26\xt*\x* \p \v 15 Epi Bondye te di a Abraham: “Konsènan madanm ou, Saraï, ou pa pou rele li Saraï, men Sarah va non li. \v 16 Mwen va beni li, Mwen va bay ou \x + \xo 17:16 \xo*\xt Jen 18:10\xt*\x*yon fis pa li. Alò, Mwen va beni li, e li va yon manman pou anpil nasyon. Wa a pèp yo va sòti nan li.” \p \v 17 Nan moman sa a, Abraham te tonbe sou figi li. Li te ri e li te di nan kè l: “Èske yon pitit va fèt a yon nonm santan? Epi èske \x + \xo 17:17 \xo*\xt Jen 21:7\xt*\x*Sarah, ki gen katre-ven-diz ane va fè yon pitit?” \v 18 Konsa, Abraham te di a Bondye: “O ke Ismaël kapab viv devan Ou!” \p \v 19 Men Bondye te di: “Non, men Sarah, madanm ou an va fè yon fis, e ou va rele non li Isaac. \x + \xo 17:19 \xo*\xt Jen 26:2-5\xt*\x*Mwen va etabli akò Mwen an avèk li pou yon akò pou tout tan pou desandan apre li yo. \p \v 20 “Pou Ismaël, Mwen te tande ou. Gade byen, Mwen va \x + \xo 17:20 \xo*\xt Jen 16:10\xt*\x*fè li bay anpil fwi, e li va miltipliye li anpil, anpil. \x + \xo 17:20 \xo*\xt Jen 25:12-16\xt*\x*Li va vin papa a douz prens yo, e Mwen va fè li vin yon gran nasyon. \p \v 21 “Men akò Mwen an, Mwen va etabli li avèk Isaac, ke \x + \xo 17:21 \xo*\xt Jen 21:2\xt*\x*Sarah va fè pou ou nan menm sezon sa a, lane pwochèn.” \p \v 22 Lè Li te fin pale avèk li, \x + \xo 17:22 \xo*\xt Jen 18:33\xt*\x*Bondye te monte kite Abraham. \p \v 23 Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te \x + \xo 17:23 \xo*\xt Jen 14:14\xt*\x*fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a \x + \xo 17:23 \xo*\xt Jen 17:9-11\xt*\x*jan Bondye te di li a. \p \v 24 Alò, Abraham te gen katre-ven-diz ane lè \x + \xo 17:24 \xo*\xt Wo 4:11 \xt*\x*li te sikonsi nan chè pwen pye li. \v 25 Epi \x + \xo 17:25 \xo*\xt Jen 16:16\xt*\x*Ismaël, fis li a te gen trèz ane lè li te sikonsi nan chè pwen pye li. \p \v 26 Nan menm jou sa a, Abraham te sikonsi, ansanm ak fis li, Ismaël. \v 27 Tout gason lakay li yo, ki te \x + \xo 17:27 \xo*\xt Jen 14:14\xt*\x*fèt lakay li, ki te achte avèk lajan nan men moun etranje, te sikonsi avèk li. \c 18 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te parèt a li nan \x + \xo 18:1 \xo*\xt Jen 13:18\xt*\x*bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant la nan chalè jounen an. \v 2 Lè li te leve zye li pou te gade, men twa \x + \xo 18:2 \xo*\xt Jen 18:16,22 \xt*\x*mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè. \v 3 Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an. \v 4 Souple, kite yon ti dlo ta pote pou \x + \xo 18:4 \xo*\xt Jen 19:2\xt*\x*lave pye nou, e repoze nou anba pyebwa a. \v 5 Konsa, mwen va \x + \xo 18:5 \xo*\xt Jij 6:18-19\xt*\x*pote yon moso pen, pou nou kapab rafrechi nou menm; apre sa nou kapab kontinye, depi nou fin vizite sèvitè nou an.” \p Epi yo te di: “Fè sa ke ou di a.” \p \v 6 Epi Abraham te kouri antre nan tant lan vè Sarah, e te di: “Fè vit, prepare twa mezi farin fen, byen bat li, e fè gato pen.” \p \v 7 Abraham osi te kouri nan pak bèf, li te pran yon jenn bèf byen mou, byen chwazi, e li te bay li a sèvitè li, ki te fè vit pou prepare li. \v 8 Li te pran bòl lèt kaye yo avèk lèt fre ak jèn bèf ke li te prepare, e te plase li devan yo; epi li te kanpe bò kote yo anba pyebwa a pandan yo t ap manje. \p \v 9 Alò, yo te di li: “Kote Sarah, madanm ou?” \p Epi li te di: “Nan tant lan”. \p \v 10 Epi li te di: “Anverite, \x + \xo 18:10 \xo*\xt Jen 21:2 \xt*\x*mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.” \p Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a. \v 11 Alò, \x + \xo 18:11 \xo*\xt Jen 17:17\xt*\x*Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit. \v 12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “\x + \xo 18:12 \xo*\xt Luc 1:18 \xt*\x*Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?” \p \v 13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’ \p \v 14 \x + \xo 18:14 \xo*\xt Jr 32:17-27 \xt*\x*“Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.” \p \v 15 Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.” \p \v 16 Alò, \x + \xo 18:16 \xo*\xt Jen 18:2,22 \xt*\x*mesye yo te leve la e yo te gade pi ba vè Sodome; epi Abraham t ap mache avèk yo pou voye yo ale. \p \v 17 SENYÈ a te di: “Èske Mwen kab kache Abraham \x + \xo 18:17 \xo*\xt Jen 18:21\xt*\x*sa ke M prè pou M fè a, \v 18 paske Abraham va anverite vin yon gran nasyon byen fò, e nan li, \x + \xo 18:18 \xo*\xt Jen 12:3\xt*\x*tout nasyon yo va beni? \v 19 Paske Mwen te \x + \xo 18:19 \xo*\xt Né 9:7\xt*\x*chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.” \p \v 20 Epi SENYÈ a te di: “\x + \xo 18:20 \xo*\xt Jen 19:13\xt*\x*Gwo kri kont Sodome avèk Gomorrhe a byen gran, e peche pa yo grav depase. \v 21 Mwen va \x + \xo 18:21 \xo*\xt Jen 11:5\xt*\x*desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.” \p \v 22 Alò, \x + \xo 18:22 \xo*\xt Jen 18:16\xt*\x*mesye yo te vire kite la, e te ale vè Sodome, pandan Abraham toujou kanpe devan SENYÈ a. \p \v 23 Abraham te vin pwoche, e te di L: \x + \xo 18:23 \xo*\xt Egz 23:7\xt*\x*“Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? \v 24 Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo? \p \v 25 “Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske \x + \xo 18:25 \xo*\xt Det 1:1-17 \xt*\x*Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?” \p \v 26 Epi SENYÈ a te di: \x + \xo 18:26 \xo*\xt Jr 5:1 \xt*\x*“Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm.” \p \v 27 Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke \x + \xo 18:27 \xo*\xt Jen 3:19\xt*\x*pousyè avèk sann. \v 28 Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la.” \p \v 29 Epi li te pale ankò, e te di: “Sipoze ke gen karant ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap fè li pou koz a karant lan.” \p \v 30 Alò li te di: “O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?” Epi Li te di: “Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan.” \p \v 31 Epi li te di: “Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo.” \p \v 32 Alò li te di: \x + \xo 18:32 \xo*\xt Jij 6:39\xt*\x*“O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?” Epi li te di: “Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo.” \p \v 33 Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, \x + \xo 18:33 \xo*\xt Jen 17:22\xt*\x*SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li. \c 19 \p \v 1 Alò, \x + \xo 19:1 \xo*\xt Jen 18:2-22\xt*\x*de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. \p Lè \x + \xo 19:1 \xo*\xt Jen 18:2-5\xt*\x*Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè. \v 2 Epi li te di: “Koulye a, gade byen, frè m yo, souple vire akote nan kay sèvitè ou a, pou pase nwit lan. Lave pye nou, pou nou kapab leve bonè pou fè wout nou.” Malgre sa, yo te di: “Non, men nou va pase nwit lan nan lari a.” \p \v 3 Men li te plede avèk yo avèk fòs. Konsa yo te vire akote vè li e te antre lakay li a, \x + \xo 19:3 \xo*\xt Jen 18:6-8\xt*\x*e li te prepare yon gwo manje pou yo. Anplis li te kwit pen san ledven a, e yo te manje. \p \v 4 Avan yo gen tan kouche, \x + \xo 19:4 \xo*\xt Jen 13:13\xt*\x*mesye Sodome yo te antoure kay la, ni jèn, ni vye, tout moun ki te sòti nan tout katye yo. \v 5 Konsa, yo te rele Lot e te di li: \x + \xo 19:5 \xo*\xt Lev 18:22\xt*\x*“Kote mesye sa yo ki te vin kote ou aswè a? Mennen yo bannou pou nou kapab antre an relasyon avèk yo.” \p \v 6 Men Lot te sòti kote yo nan pòtay la, e te fèmen pòt la dèyè l. \v 7 Li te di: “Souple, frè m yo, pa aji avèk mechanste. \v 8 Byen gade, \x + \xo 19:8 \xo*\xt Jij 19:24\xt*\x*mwen gen de fi ki pa janm antre an relasyon avèk yon gason. Souple, kite m mennen yo deyò pou nou, e fè avèk yo sa ke nou pito, men pa fè anyen avèk mesye sa yo, akoz se anba pwotèj twati mwen yo gen tan vini.” \p \v 9 Men yo te di: “Mete ou akote.” Anplis ke sa yo te di: “Sila te antre tankou etranje, e deja \x + \xo 19:9 \xo*\xt Egz 2:14\xt*\x*l ap aji kòm jij. Pou sa a, nou va trete ou pi mal pase yo.” Epi yo te peze rèd kont Lot, e yo te prèt pou kase pòt la. \p \v 10 Men \x + \xo 19:10 \xo*\xt Jen 19:1\xt*\x*mesye yo nan kay la te lonje men yo rale Lot anndan avèk yo, e yo te fèmen pòt la. \p \v 11 Yo te frape mesye ki te nan pòtay kay la pou yo vin avèg, ni piti ni gran, pou yo fatige kò yo e pou yo pa t ka twouve pòt la. \x + \xo 19:11 \xo*\xt Det 28:28-29 \xt*\x* \p \v 12 Konsa, de mesye yo te di Lot: “Kilès ankò ke ou gen isit la? Yon bofis, fis ou yo, e nenpòt moun ou gen nan vil la, mennen yo sòti kite plas sa a, \v 13 paske nou prèt pou detwi plas sila a, akoz \x + \xo 19:13 \xo*\xt Jen 18:20\xt*\x*plent pa yo gen tan vin tèlman gran devan SENYÈ a, ke SENYÈ a te voye nou pou detwi li.” \p \v 14 Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve \x + \xo 19:14 \xo*\xt Nonb 16:21-45 \xt*\x*sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè. \p \v 15 Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.” \v 16 Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te \x + \xo 19:16 \xo*\xt Det 5:15\xt*\x*sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la. \p \v 17 Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “\x + \xo 19:17 \xo*\xt Jr 48:6\xt*\x*Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan \x + \xo 19:17 \xo*\xt Jen 14:10\xt*\x*mòn yo, oswa ou va detwi nèt.” \p \v 18 Men Lot de di yo: “Alò, li pa konsa, mèt mwen yo! \v 19 Koulye a gade byen, sèvitè nou an gen tan twouve favè nan zye nou, nou te montre jan mizerikòd nou gran nan sove vi m, men mwen p ap kapab chape nan mòn yo, paske malè a va gen tan rive sou mwen, e mwen va mouri. \v 20 Gade byen, vil sila a ase pre pou m sove ale ladann, e li piti. Souple, kite mwen chape pa la. Èske li pa piti? Konsa vi m kapab sove.” \p \v 21 Li te di li: “Gade byen, mwen ba ou demann sa a tou, pou pa detwi vil la sou sila ou te pale a. \v 22 Fè vit, chape rive la, paske mwen pa kapab fè anyen jiskaske ou rive la.” Pou sa yo te rele vil la \x + \xo 19:22 \xo*\xt Jen 13:10 \xt*\x*Tsoar. \p \v 23 Solèy la te gen tan fin leve sou tè a lè Lot te rive Tsoar. \v 24 Epi SENYÈ a te fè souf avèk dife ki sòti nan syèl la, tonbe tankou \x + \xo 19:24 \xo*\xt Det 29:23\xt*\x*lapli sou Sodome avèk Gomorrhe. \v 25 \x + \xo 19:25 \xo*\xt Det 29:23\xt*\x*Li te detwi vil sila yo, ak tout vale a, ak tout moun ki te rete nan vil yo, ansanm ak sa ki te grandi nan tè a. \v 26 Men madanm li ki te dèyè li te \x + \xo 19:26 \xo*\xt Jen 19:17\xt*\x*gade dèyè, e li te tounen yon pilye sèl. \p \v 27 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan \x + \xo 19:27 \xo*\xt Jen 18:22\xt*\x*plas kote li te kanpe devan SENYÈ a, \v 28 epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout teren nan vale a. Li te wè, e gade byen, \x + \xo 19:28 \xo*\xt Rev 9:2 \xt*\x*lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo. \p \v 29 Se konsa li rive ke lè Bondye te detwi vil yo nan vale a, ke Li te sonje Abraham. Li te \x + \xo 19:29 \xo*\xt II Pi 2:7 \xt*\x*voye Lot deyò dega a, lè li te boulvèse vil yo nan sila Lot te rete. \p \v 30 Lot te kite Tsoar e monte. Li te \x + \xo 19:30 \xo*\xt Jen 19:17-19 \xt*\x*rete nan mòn yo avèk de fi li yo avè l, paske li te pè rete Tsoar. Li te rete nan yon kav, li menm avèk de fis li yo. \v 31 Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan: “Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin \x + \xo 19:31 \xo*\xt Jen 16:2-4 \xt*\x*antre nan nou apre sistèm sou tè a. \v 32 Vini, \x + \xo 19:32 \xo*\xt Luc 21:34 \xt*\x*annou fè papa nou bwè diven, e annou kouche avè l pou nou kapab prezève fanmi nou an pa papa nou.” \v 33 Pou sa, yo te fè papa yo bwè diven menm nwit lan, e premye ne a te antre kouche avèk papa li. Li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a. \p \v 34 Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m. Annou fè li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou.” \v 35 Alò, yo te fè papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l. Epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a. \p \v 36 Konsa tou de fi a Lot yo te vin ansent pa papa yo. \v 37 Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li \x + \xo 19:37 \xo*\xt Det 2:9\xt*\x*Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a. \v 38 Epi pou pi Jèn nan, li te fè yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi. Li se papa a tout fis \x + \xo 19:38 \xo*\xt Det 2:19\xt*\x*Ammon yo jis rive jodi a. \c 20 \p \v 1 Alò Abraham te vwayaje soti la \x + \xo 20:1 \xo*\xt Jen 18:1\xt*\x*vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan \x + \xo 20:1 \xo*\xt 26:1-6\xt*\x*Guérar. \v 2 Abraham te di selon Sarah, madanm li: “\x + \xo 20:2 \xo*\xt Jen 18:1\xt*\x*Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan \x + \xo 20:2 \xo*\xt Jen 26:1-2\xt*\x*Guérar a te vin pran Sarah. \p \v 3 Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, \x + \xo 20:3 \xo*\xt Jen 20:7\xt*\x*ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.” \p \v 4 Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, \x + \xo 20:4 \xo*\xt Jen 18:23-25\xt*\x*èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? \v 5 Èske \x + \xo 20:5 \xo*\xt Jen 20:13\xt*\x*li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.” \p \v 6 Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen \x + \xo 20:6 \xo*\xt I Sam 25:26-34 \xt*\x*pa t kite ou touche li. \v 7 Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske \x + \xo 20:7 \xo*\xt I Sam 7:5\xt*\x*se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.” \p \v 8 Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz. \p \v 9 \x + \xo 20:9 \xo*\xt Jen 12:11-20 \xt*\x*Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”: \v 10 Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?” \p \v 11 Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen \x + \xo 20:11 \xo*\xt Né 5:15\xt*\x*lakrent Bondye nan plas sa a, e \x + \xo 20:11 \xo*\xt Jen 12:12\xt*\x*yo va touye mwen akoz madanm mwen. \v 12 Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen. \v 13 Lè li te rive ke \x + \xo 20:13 \xo*\xt Jen 12:1-9\xt*\x* Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’” \p \v 14 Konsa, \x + \xo 20:14 \xo*\xt Jen 12:16\xt*\x*Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li. \p \v 15 Abimélec te di: “\x + \xo 20:15 \xo*\xt Jen 13:9\xt*\x*Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.” \p \v 16 A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay \x + \xo 20:16 \xo*\xt Jen 20:5\xt*\x*frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout, ke ou egzonore.” \p \v 17 \x + \xo 20:17 \xo*\xt Nonb 12:13 \xt*\x*Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit. \v 18 \x + \xo 20:18 \xo*\xt Jen 12:17\xt*\x*Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan. \c 21 \p \v 1 \x + \xo 21:1 \xo*\xt Jen 17:16-21 \xt*\x*Epi SENYÈ a te bay atansyon a Sarah jan Li te pale a, e SENYÈ a te fè sa pou Sarah jan li te pwomèt la. \v 2 \x + \xo 21:2 \xo*\xt Trav 7:8 \xt*\x*Alò, Sarah te vin ansent, e li te anfante yon fis pou Abraham nan vyeyès li, nan lè chwazi ke Bondye te pale li a. \v 3 Abraham te rele non a fis ki te fèt a li menm nan, ke Sarah te fè pou li a, \x + \xo 21:3 \xo*\xt Jen 17:19-21 \xt*\x*Isaac. \v 4 Epi Abraham te sikonsi fis li a, Isaac lè l te gen \x + \xo 21:4 \xo*\xt Jen 17:12 \xt*\x*laj uit jou, jan Bondye te kòmande li a. \v 5 Alò, Abraham te gen \x + \xo 21:5 \xo*\xt Jen 17:17\xt*\x*laj san ane lè fis li a, Isaac te vin fèt a li menm. \p \v 6 Sarah te di: “Bondye te fè m fè \x + \xo 21:6 \xo*\xt Jen 18:13\xt*\x*gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.” \v 7 Epi li te di: “\x + \xo 21:7 \xo*\xt Jen 18:11-13 \xt*\x*kilès ki ta di a Abraham ke Sarah ta bay tete a timoun? Paske mwen ba li yon fis nan vyeyès li.” \p \v 8 Pitit la te grandi e li te vin sevre. Abraham te fè yon gwo fèt nan jou ke Isaac te sevre a. \p \v 9 Alò, Sarah te wè \x + \xo 21:9 \xo*\xt Jen 16:1-15 \xt*\x*fis Agar a, Ejipsyen an, ke li te fè pou Abraham nan, t ap \x + \xo 21:9 \xo*\xt Gal 4:29 \xt*\x*moke l. \v 10 Akoz sa, li te di Abraham: “\x + \xo 21:10 \xo*\xt Gal 4:30\xt*\x*Mete bòn sa a deyò ansanm avèk fis li a! Paske fis a sèvant sa a p ap vin eritye avèk fis mwen an, Isaac.” \p \v 11 \x + \xo 21:11 \xo*\xt Jen 17:18\xt*\x*Bagay sa a te twouble Abraham anpil akoz fis li a. \v 12 Men Bondye te di a Abraham: “Pa enkyete akoz pwoblèm jènjan sa a avèk sèvant ou an. Nenpòt sa ke Sarah di ou, koute li, paske \x + \xo 21:12 \xo*\xt Wo 9:7 \xt*\x*se nan Isaac desandan ou yo va vin nome. \v 13 Ak \x + \xo 21:13 \xo*\xt Jen 16:10\xt*\x*fis sèvant lan, Mwen va fè yon nasyon tou, akoz ke li menm se desandan ou.” \p \v 14 Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a. \p \v 15 Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab. \v 16 Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te \x + \xo 21:16 \xo*\xt Jr 6:26 \xt*\x*leve vwa li, e li te kriye. \p \v 17 Bondye te \x + \xo 21:17 \xo*\xt Egz 3:7\xt*\x*tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a. \v 18 Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, \x + \xo 21:18 \xo*\xt Jen 16:10\xt*\x*paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.” \p \v 19 Epi Bondye te \x + \xo 21:19 \xo*\xt Nonb 22:31 \xt*\x*ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann. \p \v 20 \x + \xo 21:20 \xo*\xt Jen 28:15\xt*\x*Bondye te avèk jènjan an, e li te grandi. Li te viv nan dezè a e li te vin yon achè. \v 21 \x + \xo 21:21 \xo*\xt Jen 25:18\xt*\x*Li te viv nan dezè Paran an, e manman l te pran yon madanm pou li nan peyi Égypte la. \p \v 22 Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “\x + \xo 21:22 \xo*\xt Jen 26:28\xt*\x*Bondye avèk ou nan tout sa ou fè \v 23 Pou sa, fè \x + \xo 21:23 \xo*\xt Jos 2:12\xt*\x* sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.” \p \v 24 Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.” \p \v 25 Men Abraham te plenyen bay Abimélec akoz pwi dlo ke sèvitè Abimélec yo \x + \xo 21:25 \xo*\xt Jen 26:15-22 \xt*\x*te sezi a. \p \v 26 Abimélec te reponn: “Mwen pa konnen kilès ki te fè ou bagay sa a. Ou pa t di m sa, ni mwen pa t tande sa, jis rive jodi a.” \p \v 27 Abraham te pran mouton avèk bèf, e li te bay yo a Abimélec. Konsa, \x + \xo 21:27 \xo*\xt Jen 26:31\xt*\x*yo de a te fè yon akò. \v 28 Abraham te mete sèt jèn mouton femèl ki sòti nan bann mouton apa pou kont yo. \v 29 Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?” \p \v 30 Li te di: “Ou va pran sèt jèn mouton femèl sa yo nan men m pou yo kapab devni yon \x + \xo 21:30 \xo*\xt Jen 31:48\xt*\x*temwen pou mwen ke mwen te fouye pwi sa a.” \p \v 31 Pou sa, li te rele plas sila a \x + \xo 21:31 \xo*\xt Jen 21:14\xt*\x*Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an. \p \v 32 Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba. Konsa, Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo. \p \v 33 Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la \x + \xo 21:33 \xo*\xt Jen 12:8\xt*\x*li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la. \v 34 Epi Abraham te demere \x + \xo 21:34 \xo*\xt Jen 22:19\xt*\x*nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou. \c 22 \p \v 1 Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke \x + \xo 22:1 \xo*\xt Det 8:2-16 \xt*\x*Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”. \p \v 2 Li te di: “Pran koulye a \x + \xo 22:2 \xo*\xt Jen 22:12\xt*\x*fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi \x + \xo 22:2 \xo*\xt II Kwo 3:1\xt*\x*Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.” \p \v 3 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a. \p \v 4 Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans. \v 5 Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.” \p \v 6 Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te \x + \xo 22:6 \xo*\xt Jn 19:17\xt*\x*poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm. \p \v 7 Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” \p Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.” \p Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote \x + \xo 22:7 \xo*\xt Egz 29:38-42\xt*\x*jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?” \p \v 8 Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm. \p \v 9 Alò yo rive nan \x + \xo 22:9 \xo*\xt Jen 22:2\xt*\x*plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te \x + \xo 22:9 \xo*\xt Eb 11:17-19\xt*\x*poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo. \v 10 Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a. \p \v 11 Men \x + \xo 22:11 \xo*\xt Jen 16:7-11 \xt*\x*zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” \p Li te reponn: “Men mwen isit la.” \p \v 12 Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay \x + \xo 22:12 \xo*\xt Jen 22:2-16 \xt*\x*fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.” \p \v 13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. \v 14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, \x + \xo 22:14 \xo*\xt Jen 22:8\xt*\x* va gen pwovizyon.” \p \v 15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, \v 16 e te di: “\x + \xo 22:16 \xo*\xt Sòm 105:9\xt*\x*Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, \v 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va \x + \xo 22:17 \xo*\xt Jr 33:22 \xt*\x*miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. \v 18 \x + \xo 22:18 \xo*\xt Jen 12:3 \xt*\x*Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te \x + \xo 22:18 \xo*\xt Jen 18:19\xt*\x*obeyi vwa Mwen.” \p \v 19 \x + \xo 22:19 \xo*\xt Jen 22:5\xt*\x*Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba. \p \v 20 Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, \x + \xo 22:20 \xo*\xt Jen 11:29\xt*\x*Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor: \v 21 Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan \v 22 epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.” \v 23 Bethuel te vin papa \x + \xo 22:23 \xo*\xt Jen 24:15\xt*\x*Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan. \v 24 Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca. \c 23 \p \v 1 Alò, Sarah te viv pandan san-ven-sèt ane. Men sa yo ki te lane a Sarah. \v 2 Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.\x + \xo 23:2 \xo*\xt Jos 14:5 \xt*\x* \p \v 3 Konsa, Abraham te leve kite mò li a. Li te pale a \x + \xo 23:3 \xo*\xt Jen 10:15\xt*\x*fis a Heth yo. Li te di: \v 4 “Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. \x + \xo 23:4 \xo*\xt Trav 7:16; Jen 49:30 \xt*\x*Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.” \p \v 5 Fis a Heth yo te reponn Abraham. Yo te di l: \v 6 “Koute nou, mèt mwen, ou menm, se yon \x + \xo 23:6 \xo*\xt Jen 14:14\xt*\x*prens Bondye pami nou. Antere mò ou a nan pi bon chwa ou nan tonm pa nou yo. Nanpwen pèsòn ki va refize ou yon plas antèman pou mò ou a.” \p \v 7 Abraham te leve e te bese devan moun yo nan peyi a, fis a Heth yo. \v 8 Li te pale avèk yo, e te di: “Si se volonte ou pou m antere mò mwen an kote mwen p ap wè l, koute mwen, e pale ak \x + \xo 23:8 \xo*\xt Jen 25:9\xt*\x*Ephron fis Tsochar a pou mwen, \v 9 ke li kapab ban mwen kav Macpéla ki pou li a, ki nan pwent chan li an. Pou tout pri ke li fò, ke li ban mwen li devan nou kòm yon lye antèman an.” \p \v 10 Alò, Ephron te chita pami fis a Heth yo. Ephron, Ethyen an, te reponn Abraham nan prezans fis a Heth yo, menm \x + \xo 23:10 \xo*\xt Jen 23:18\xt*\x*tout moun yo ki t ap antre nan pòtay vil la. Li te di: \v 11 “Non, mèt mwen, koute mwen; \x + \xo 23:11 \xo*\xt II Sam 24:21-24 \xt*\x*mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.” \p \v 12 Konsa, Abraham te bese devan pèp peyi a. \v 13 Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.” \p \v 14 Konsa, Ephron te reponn Abraham e te di li: \v 15 “Mèt mwen, koute mwen. Yon mòso tè ki vo kat-san \x + \xo 23:15 \xo*\xt Egz 30:13\xt*\x*pyès lajan, kisa sa ye antre mwen avèk ou? Alò, antere mò ou a.” \p \v 16 Abraham te koute Ephron. Konsa, Abraham te peze pou Ephron lajan ke li te nonmen nan prezans tout fis a Heth yo, kat-san pyès lajan, nan sistèm komès nòmal.\x + \xo 23:16 \xo*\xt II Sam 14:26 \xt*\x* \p \v 17 Pou sa a, \x + \xo 23:17 \xo*\xt Jen 25:9\xt*\x*chan Ephron ki te nan Macpéla a, ki te pozisyone vè Mamre a, chan an avèk kav ki te ladann nan, tout bwa ki te nan chan an, ki te anndan limit li yo, te sede \v 18 a Abraham kòm posesyon nan \x + \xo 23:18 \xo*\xt Jen 23:10\xt*\x*prezans fis a Heth yo, devan tout moun ki te antre nan pòtay vil li a. \v 19 Apre sa, Abraham te antere Sarah, madanm li nan kav la nan chan Macpéla ki anfas Mamre a, (sa vle di Hébron) \v 20 Konsa, fis a Etyen yo te bay papye tè a enkli ak kav la; yo te transfere li a Abraham pou yon landwa antèman. \c 24 \p \v 1 Alò, \x + \xo 24:1 \xo*\xt Jen 18:11\xt*\x*Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay. \v 2 Abraham te di a sèvitè li a, sila ki te gen plis laj lakay li a, ki te an chaj tout sa ke li te posede: “\x + \xo 24:2 \xo*\xt Jen 24:9\xt*\x*Souple, mete men ou anba kwis mwen. \v 3 Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou \x + \xo 24:3 \xo*\xt Det 7:3\xt*\x*p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi \x + \xo 24:3 \xo*\xt Jen 10:15-19\xt*\x*Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo, \v 4 men ke ou va ale nan \x + \xo 24:4 \xo*\xt Jen 12:1\xt*\x*peyi mwen, kote relasyon mwen yo, e pran yon madanm pou fis mwen an, Isaac.” \p \v 5 Sèvitè a te di li: “Sipoze ke fanm nan pa vle swiv mwen pou vini nan peyi a? Èske mwen dwe mennen fis ou a retounen nan peyi kote ou te soti a?” \p \v 6 Abraham te di li: \x + \xo 24:6 \xo*\xt Jen 24:8\xt*\x*“Veye ke ou pa pran fis mwen an pou fè l retounen la! \v 7 SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen; Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’. Li va voye \x + \xo 24:7 \xo*\xt Egz 23:20-23 \xt*\x*zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la. \v 8 Men si fanm nan pa vle swiv ou, alò ou \x + \xo 24:8 \xo*\xt Jos 2:17-20\xt*\x*va lib de sèman pa m nan, \x + \xo 24:8 \xo*\xt Jen 24:6\xt*\x*Sèlman, pa fè fis mwen an retounen la.” \v 9 Alò, sèvitè a te \x + \xo 24:9 \xo*\xt Jen 24:2\xt*\x*plase men l anba kwis mèt li, Abraham, e li te sèmante devan li sou zafè sila a. \p \v 10 Epi sèvitè a te pran dis chamo pami chamo mèt li yo, e li te pati avèk yon seleksyon plizyè \x + \xo 24:10 \xo*\xt Jen 24:22-53\xt*\x*bon bagay a mèt li nan men l. Li te leve pou ale nan Mésopotamie pou rive nan \x + \xo 24:10 \xo*\xt Jen 11:31-32\xt*\x*vil Nahor. \v 11 Li te fè chamo yo bese a jenou deyò vil la toupre \x + \xo 24:11 \xo*\xt Jen 24:42\xt*\x*pwi a nan aswè, nan lè ke fanm yo te vin rale dlo. \p \v 12 Li te di: \x + \xo 24:12 \xo*\xt Jen 24:27-42-48 \xt*\x*“O Senyè, Bondye a mèt mwen an, Abraham, souple, lese mwen twouve siksè jodi a, e montre lanmou ak dousè Ou anvè mèt mwen, Abraham. \v 13 Gade byen, \x + \xo 24:13 \xo*\xt Jen 24:43\xt*\x*m ap kanpe akote sous la, e fi a pèp vil yo ap parèt pou rale dlo. \v 14 Koulye a, kite sa fèt ke a fi ke mwen di: ‘Souple, desann veso ou pou m kab bwè’, e ki reponn: ‘Bwè, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: lese ke se sila ke Ou te chwazi pou sèvitè ou a, Isaac. Konsa nou va konnen ke Ou te montre lanmou ak dousè Ou a mèt mwen an.” \p \v 15 Avan li te fin pale, gade, \x + \xo 24:15 \xo*\xt Jen 22:20\xt*\x*Rebecca ki te ne a Bethuel, fi \x + \xo 24:15 \xo*\xt Jen 11:29\xt*\x*Milca a, fanm Nachor, frè Abraham nan te parèt ak veso sou zepòl li. \v 16 Fi a te \x + \xo 24:16 \xo*\xt Jen 12:11\xt*\x*trè bèl, yon vyèj, e gason pa t janm antre nan relasyon avè l. Li te desann nan sous la, li te ranpli veso li, e li t ap monte. \p \v 17 Alò, sèvitè a te kouri bò kote li, e te di: “\x + \xo 24:17 \xo*\xt Jn 4:7\xt*\x*Souple, kite mwen bwè yon ti dlo nan veso ou a.” \p \v 18 \x + \xo 24:18 \xo*\xt Jen 24:14-46 \xt*\x*Li te di: “Bwè, mèt mwen.” Byen vit li te desann veso li rive nan men li, e li te bay li bwè. \v 19 Lè li te fin ba li bwè, \x + \xo 24:19 \xo*\xt Jen 24:14\xt*\x*li te di: “Mwen va rale dlo osi pou chamo ou yo, jiskaske yo fin bwè”. \v 20 Imedyatman li te vide veso li nan basen pou bèt yo, li te kouri retounen nan pwi a pou rale dlo, e li te rale pou tout chamo li yo. \v 21 \x + \xo 24:21 \xo*\xt Jen 24:12-52 \xt*\x*Antretan, nonm nan t ap veye li an silans, pou konnen si SENYÈ a te fè vwayaj li a vin yon siksè, ou non. \p \v 22 Epi pandan chamo yo te fin bwè, nonm nan te pran \x + \xo 24:22 \xo*\xt Jen 24:47\xt*\x*bag lò ki peze yon mwatye sik (sis gram nan) avèk de braslè pou ponyèt li, ki te peze dis sik an lò, \v 23 epi li te mande: “Se fi a ki moun ou ye? Souple, fè m konnen, èske gen lojman lakay papa ou?” \p \v 24 Li te di li\x + \xo 24:24 \xo*\xt Jen 24:15\xt*\x*: “Mwen se fi Bethuel la, fis Milca, ke li te fè pou Nahor a.” \v 25 Ankò fi a te di li: “Nou gen ase, nan pay avèk manje, ak espas pou lojman”. \p \v 26 Alò, mesye a te \x + \xo 24:26 \xo*\xt Jen 24:48-52 \xt*\x*bese byen ba, e li te adore SENYÈ a. \v 27 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, ki pa t abandone \x + \xo 24:27 \xo*\xt Jen 32:10\xt*\x*lanmou avèk konpasyon Li ak verite Li anvè mèt mwen. Pou mwen, SENYÈ a te dirije m nan chemen lakay de frè a mèt mwen yo.” \p \v 28 Alò, \x + \xo 24:28 \xo*\xt Jen 29:12\xt*\x*fi a te kouri pou pale tout kay manman l de bagay sa yo. \v 29 Fi a te gen yon frè ki te rele \x + \xo 24:29 \xo*\xt Jen 29:5-13 \xt*\x*Laban. Laban te kouri deyò kote mesye a nan sous la. \v 30 Lè li te wè bag la avèk braslè yo sou ponyèt sè li, e lè li te tande pawòl a Rebecca yo, sè li, ki te di: “Se sa ke mesye a te di mwen,” li te ale kote mesye a. Gade byen, li te kanpe akote chamo yo nan sous la. \v 31 Epi li te di: \x + \xo 24:31 \xo*\xt Jen 29:13\xt*\x*“Antre non, beni a SENYÈ a! Poukisa ou kanpe deyò, Paske m gen tan prepare kay la avèk yon plas pou chamo yo?” \p \v 32 Alò, mesye a te antre nan kay la. \x + \xo 24:32 \xo*\xt Jen 43:24\xt*\x*Laban te dechaje chamo yo, e li te bay pay avèk manje pou chamo yo, ak dlo pou lave pye li, avèk pye a mesye ki te avèk li yo. \v 33 Men lè manje a te plase devan li, li te di: “Mwen p ap manje jiskaske mwen pale de misyon mwen an.” \q1 Laban te di: “Pale toujou”. \p \v 34 Li te di: “Mwen se sèvitè \x + \xo 24:34 \xo*\xt Jen 24:2\xt*\x*Abraham. \v 35 SENYÈ a te \x + \xo 24:35 \xo*\xt Jen 24:1\xt*\x*beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li \x + \xo 24:35 \xo*\xt Jen 13:2\xt*\x*bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik. \v 36 Alò, \x + \xo 24:36 \xo*\xt Jen 21:1-7\xt*\x*Sarah, madanm a mèt mwen an te fè yon fis pou mèt mwen an nan vyeyès li. Li te bay li tout sa li posede. \v 37 \x + \xo 24:37 \xo*\xt Jen 24:2-4\xt*\x*Mèt mwen an te fè m sèmante pou di: ‘Ou pa pou pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, nan peyi kote m ap viv la, \v 38 men ou va ale kote lakay papa m, nan moun fanmi pa m yo, e pran yon madanm pou fis mwen an.’ \p \v 39 \x + \xo 24:39 \xo*\xt Jen 24:5\xt*\x*“Mwen te di a mèt mwen an: ‘Sipoze ke fanm nan pa swiv mwen.’ \p \v 40 “Li te di mwen: ‘\x + \xo 24:40 \xo*\xt Jen 24:7\xt*\x*SENYÈ a devan Sila mwen te mache a, va fè vwayaj ou a reyisi. Ou va pran yon madanm pou fis mwen an pami moun fanmi mwen yo, ak lakay papa m. \v 41 Epi konsa, ou va lib de sèman mwen an, si lè ou rive pami moun fanmi mwen yo, yo pa ba ou li. Si se sa a,ou va lib de sèman mwen an.’ \p \v 42 “Konsa, \x + \xo 24:42 \xo*\xt Jen 24:11-12 \xt*\x*mwen te vini jodi a nan sous la, e te di: ‘O SENYÈ, Bondye a mèt mwen an, Abraham, si koulye a ou va fè vwayaj ke m ap fè a reyisi. \v 43 Gade byen, \x + \xo 24:43 \xo*\xt Jen 24:13\xt*\x*mwen ap kanpe vè sous la, kite sa fèt ke jèn fi ki sòti pou rale dlo a, e ke mwen di: “Souple, kite m bwè yon ti dlo nan veso ou a”, \v 44 epi li di mwen: ‘Ou mèt bwè, e mwen va tire dlo pou chamo ou yo tou,’ kite sa fèt ke se li ke SENYÈ a te chwazi pou fis a mèt mwen an.” \p \v 45 “Avan mwen te fin pale nan kè mwen, gade byen, Rebecca te parèt avèk veso li sou zepòl li, e li te desann nan sous la pou tire. Mwen te di li: ‘Souple, kite m bwè.’” \p \v 46 \x + \xo 24:46 \xo*\xt Jen 24:18-19 \xt*\x*“Li te byen vit desann veso a sou zepòl li, e li te di: ‘Bwè’, e mwen va bay bèt ou yo dlo tou’: Alò, mwen te bwè, e li te bay bèt yo dlo tou. \p \v 47 \x + \xo 24:47 \xo*\xt Jen 24:23-24 \xt*\x*“Mwen te mande li konsa: ‘Fi a ki moun ou ye?’ Epi li te reponn: ‘Fi a Bethuel la, fis a Nachor, ke Milca te bay li a.’ Epi konsa, mwen te mete bag la nan nen li, e braslè yo nan ponyèt li. \p \v 48 “Epi mwen te bese byen ba, mwen te adore SENYÈ a, e te beni SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, Abraham, \x + \xo 24:48 \xo*\xt Jen 24:27\xt*\x*ki te gide mwen nan bon chemen pou pran fi nan fanmi mèt mwen an pou fis li. \v 49 Alò, koulye a, si w ap \x + \xo 24:49 \xo*\xt Jen 47:29\xt*\x*aji avèk dousè e verite avèk mèt mwen an, fè m konnen. Men si se pa sa, kite m konnen, pou m kapab vire swa adwat, swa agoch.” \p \v 50 Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. \x + \xo 24:50 \xo*\xt Jen 31:24-29 \xt*\x*Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal. \v 51 Men Rebecca la devan ou, pran li pou ou ale, e ke li vin madanm a fis mèt ou a, jan SENYÈ a te pale a.” \p \v 52 Lè sèvitè Abraham nan te tande pawòl sa yo, li te \x + \xo 24:52 \xo*\xt Jen 24:26,48\xt*\x*bese tèt li atè devan SENYÈ a. \v 53 Sèvitè a te mete deyò \x + \xo 24:53 \xo*\xt Jen 24:10-22 \xt*\x*bagay ki fèt ak lajan avèk lò, ak vètman, e li te bay yo a Rebecca. Li te osi bay kèk bagay ki koute byen chè a frè li avèk manman li. \v 54 Li menm avèk mesye ki te avè l yo te manje, bwè e te pase nwit lan. \p Lè yo te leve nan maten li te di: “\x + \xo 24:54 \xo*\xt Jen 24:56-59 \xt*\x*Voye mwen ale vè mèt mwen.” \p \v 55 Men frè li avèk manman li te di: \x + \xo 24:55 \xo*\xt Jij 19:4\xt*\x*“Kite fi a rete avèk nou pandan kèk jou, annou di di jou. Apre li kapab ale”. \p \v 56 Li te reponn yo: “Pa anpeche m, paske se \x + \xo 24:56 \xo*\xt Jen 24:40\xt*\x*SENYÈ a ki te fè chemen mwen an reyisi. Voye m ale pou m kapab retounen bò kote mèt mwen.” \p \v 57 Epi yo te di: “Nou va rele fi a pou mande li volonte pa li.”: \v 58 Alò, yo te rele Rebecca e te di li: “Èske ou va ale avèk mesye sila a?” \p Epi li te reponn: “M ap prale.” \p \v 59 Konsa yo te voye Rebecca, sè yo a ale, avèk \x + \xo 24:59 \xo*\xt Jen 35:8\xt*\x*bòn li yo, sèvitè Abraham nan ak mesye pa li yo. \v 60 Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab \x + \xo 24:60 \xo*\xt Nonb 10:36; Jen 22:17 \xt*\x*devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.” \p \v 61 Epi Rebecca te leve avèk bòn li yo, yo te monte chamo yo, e yo te swiv mesye a. Konsa sèvitè a te pran Rebecca, e li te pati. \p \v 62 Alò, Isaac t ap sòti nan yon vwayaj vè \x + \xo 24:62 \xo*\xt Jen 16:14\xt*\x*Lachaï-roi, paske li t ap viv nan Negev. \v 63 Isaac te ale deyò pou \x + \xo 24:63 \xo*\xt Jos 1:8 \xt*\x*fè meditasyon nan chan an nan aswè. Lè \x + \xo 24:63 \xo*\xt Jen 18:2 \xt*\x*li te leve zye li pou gade, gade byen, chamo yo t ap vini. \p \v 64 Rebecca te leve zye li, e lè li te wè Isaac, li te desann chamo a. \v 65 Li te di sèvitè a: “Kilès mesye sa a k ap mache nan chan an vin jwenn nou an?” \p Epi sèvitè a te reponn: “Li se mèt mwen.” \p Konsa, fi a te pran vwal la, e li te kouvri tèt li. \p \v 66 Sèvitè a te di Isaac tout sa ke li te fè. \v 67 Epi Isaac te mennen li nan tant li. Li te pran Rebecca, e li te vin madanm li, e li te renmen li. Konsa Isaac te konsole lè manman li te fin mouri. \c 25 \p \v 1 Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura. \v 2 \x + \xo 25:2 \xo*\xt I Kwo 1:32-33\xt*\x*Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach. \v 3 Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim. \v 4 Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo. \v 5 \x + \xo 25:5 \xo*\xt Jen 24:35-36 \xt*\x*Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac; \v 6 men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te \x + \xo 25:6 \xo*\xt Jen 21:14\xt*\x*voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la. \p \v 7 Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, \x + \xo 25:7 \xo*\xt Jen 12:4 \xt*\x*san-swasann-kenz ane. \v 8 Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin \x + \xo 25:8 \xo*\xt Jen 25:17\xt*\x*ranmase vè pèp li. \v 9 Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan \x + \xo 25:9 \xo*\xt Jen 23:17-18 \xt*\x*kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré, \v 10 \x + \xo 25:10 \xo*\xt Jen 23:3-16\xt*\x*chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah. \v 11 Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke \x + \xo 25:11 \xo*\xt Jen 26:3\xt*\x*Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi. \p \v 12 Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon \x + \xo 25:12 \xo*\xt Jen 16:5\xt*\x*Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham; \v 13 epi sa yo se non \x + \xo 25:13 \xo*\xt I Kwo 1:29\xt*\x*fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam, \v 14 Mischma, Duma, Massa, \v 15 Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma. \v 16 Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; \x + \xo 25:16 \xo*\xt Jen 17:20\xt*\x*douz prens yo selon tribi pa yo. \p \v 17 Sa yo se lane lavi Ismaël yo, \x + \xo 25:17 \xo*\xt Jen 16:16\xt*\x*san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li. \v 18 Yo te deplase soti nan \x + \xo 25:18 \xo*\xt I Sam 15:7\xt*\x*Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo. \p \v 19 Alò, sa yo se achiv \x + \xo 25:19 \xo*\xt Mat 1:2 \xt*\x*jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac. \p \v 20 Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, \x + \xo 25:20 \xo*\xt Jen 22:23\xt*\x*fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, \x + \xo 25:20 \xo*\xt Jen 24:29\xt*\x*sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li. \v 21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin \x + \xo 25:21 \xo*\xt Wo 9:10 \xt*\x*ansent. \p \v 22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale \x + \xo 25:22 \xo*\xt I Sam 9:9\xt*\x*mande a SENYÈ a. \p \v 23 SENYÈ a te di li: \q1 “\x + \xo 25:23 \xo*\xt Jen 17:4-16 \xt*\x*Gen de nasyon nan vant ou. \q1 De pèp va vin separe sòti nan vant ou. \q1 Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. \q1 Pi gran an va sèvi pi jèn nan.” \p \v 24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li. \v 25 Premye a te vin parèt byen wouj. \x + \xo 25:25 \xo*\xt Jen 27:11\xt*\x* Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü. \v 26 Apre, frè li a te vin parèt avèk \x + \xo 25:26 \xo*\xt Os 12:13\xt*\x*men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa \x + \xo 25:26 \xo*\xt Jen 27:36\xt*\x*yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo. \p \v 27 Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan a. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te \x + \xo 25:27 \xo*\xt Eb 11:9 \xt*\x*viv nan tant. \v 28 Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon \x + \xo 25:28 \xo*\xt Jen 27:19\xt*\x*gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob. \p \v 29 Lè Jacob te fin kwit yon \x + \xo 25:29 \xo*\xt II Wa 4:38\xt*\x*soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil. \v 30 Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom. \p \v 31 Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen \x + \xo 25:31 \xo*\xt Det 21:16-17 \xt*\x*dwa nesans ou an.” \p \v 32 Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?” \p \v 33 Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te \x + \xo 25:33 \xo*\xt Eb 12:16 \xt*\x*vann dwa nesans li an bay Jacob. \p \v 34 Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li. \p Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an. \c 26 \p \v 1 Alò, te gen yon \x + \xo 26:1 \xo*\xt Jen 12:10\xt*\x*gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè \x + \xo 26:1 \xo*\xt Jen 20:1-2\xt*\x*Abimélec, wa Filisten yo. \p \v 2 Senyè a te \x + \xo 26:2 \xo*\xt Jen 12:7\xt*\x*parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a. \v 3 Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli \x + \xo 26:3 \xo*\xt Jen 22:16-18\xt*\x*sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham. \p \v 4 \x + \xo 26:4 \xo*\xt Jen 15:5\xt*\x*“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan \x + \xo 26:4 \xo*\xt Jen 22:18\xt*\x*desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni, \v 5 akoz Abraham te \x + \xo 26:5 \xo*\xt Jen 22:16\xt*\x*obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.” \v 6 Konsa, Isaac te viv Guérar. \p \v 7 Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “\x + \xo 26:7 \xo*\xt Jen 12:13\xt*\x*Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.” \p \v 8 Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca. \v 9 Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”? \p Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’” \p \v 10 \x + \xo 26:10 \xo*\xt Jen 20:9\xt*\x*Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.” \p \v 11 Konsa, Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki \x + \xo 26:11 \xo*\xt Sòm 105:15\xt*\x*touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.” \p \v 12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. \x + \xo 26:12 \xo*\xt Jen 24:1\xt*\x*Senyè a te beni li. \v 13 Mesye a te \x + \xo 26:13 \xo*\xt Pwov 10:22 \xt*\x*vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès. \v 14 \x + \xo 26:14 \xo*\xt Jen 24:35\xt*\x*Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li. \v 15 Alò, \x + \xo 26:15 \xo*\xt Jen 21:25-30 \xt*\x*tout pwi ke sèvitè a papa li yo te fouye nan jou Abraham yo, papa li, Filisten yo te bouche lè yo te ranpli yo avèk tè. \p \v 16 Alò, Abimélec te di a Isaac: “Kite nou, paske ou \x + \xo 26:16 \xo*\xt Egz 1:9\xt*\x*twò fò pou nou.” \p \v 17 Konsa, Isaac te pati la. Li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la. \v 18 Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan. Epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo. \p \v 19 Men lè sèvitè Isaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen, \v 20 bèje Guérar yo te \x + \xo 26:20 \xo*\xt Jen 21:25\xt*\x*goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li. \v 21 Yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna. \v 22 Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va \x + \xo 26:22 \xo*\xt Jen 17:6\xt*\x*rekòlte anpil fwi nan peyi a.” \p \v 23 Alò, li te kite la pou monte \x + \xo 26:23 \xo*\xt Jen 22:19\xt*\x*Beer-Schéba. \v 24 SENYÈ a \x + \xo 26:24 \xo*\xt Jen 26:2\xt*\x*te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va \x + \xo 26:24 \xo*\xt Jen 22:17\xt*\x*beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.” \p \v 25 Konsa, li te bati yon \x + \xo 26:25 \xo*\xt Jen 12:7-8 \xt*\x*lotèl la, li te rele non SENYÈ a, e te monte tant li la. La sèvitè Isaac yo te fouye yon pwi. \p \v 26 Alò, \x + \xo 26:26 \xo*\xt Jen 21:22\xt*\x*Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a. \v 27 Isaac te di yo: “\x + \xo 26:27 \xo*\xt Jij 11:7\xt*\x*Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e te pouse mwen lwen nou?” \p \v 28 Yo te di: “Nou wè byen klè \x + \xo 26:28 \xo*\xt Jen 21:22-23 \xt*\x*ke SENYÈ a te avèk ou. Alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou, \v 29 ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se \x + \xo 26:29 \xo*\xt Jen 24:31\xt*\x*beni a SENYÈ a.” \p \v 30 Alò, \x + \xo 26:30 \xo*\xt Jen 19:3\xt*\x*li te fè yon gwo fèt manje pou yo, yo te manje e bwè. \p \v 31 Nan maten, yo te leve bonè. Yo \x + \xo 26:31 \xo*\xt Jen 21:31\xt*\x*te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè. \p \v 32 Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.” \v 33 Konsa, li te rele li Schiba, akoz sa yo rele vil la \x + \xo 26:33 \xo*\xt Jen 21:31\xt*\x*Beer-Schéba jis rive jodi a. \p \v 34 Lè Ésaü te gen karant ane, \x + \xo 26:34 \xo*\xt Jen 28:8\xt*\x*li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an. \v 35 \x + \xo 26:35 \xo*\xt Jen 27:46\xt*\x*Yo te mennen traka pou twouble Isaac avèk Rebecca. \c 27 \p \v 1 Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e \x + \xo 27:1 \xo*\xt Jen 48:10 \xt*\x*zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.” \p Ésaü te reponn li: “Men mwen.” \p \v 2 \x + \xo 27:2 \xo*\xt Jen 48:10\xt*\x*Isaac te di: “Gade byen, koulye a, mwen vin vye. Mwen pa konnen jou ke m ap mouri an. \v 3 Ebyen, souple pran flèch ou yo avèk banza ou, e ale nan chan pou \x + \xo 27:3 \xo*\xt Jen 25:28\xt*\x*fè lachas jibye pou mwen. \v 4 Prepare yon manje ki gen bon gou, jan ou konnen ke m renmen li an, e pote ban mwen pou m kab manje, pou \x + \xo 27:4 \xo*\xt Jen 27:19-31 \xt*\x*nanm mwen kapab beni ou avan ke m mouri.” \p \v 5 Rebecca t ap koute pandan Isaac t ap pale avèk fis li a, Ésaü. Alò, lè Ésaü te ale nan chan pou fè lachas jibye pou kapab pote lakay, \v 6 \x + \xo 27:6 \xo*\xt Jen 25:28\xt*\x*Rebecca te di fis li a, Jacob: “Veye byen, mwen te tande papa ou pale ak frè ou a Ésaü. Li te di: \v 7 ‘Pote pou mwen kèk jibye e prepare yon manje bon gou pou mwen, pou mwen kapab manje, e beni ou nan prezans SENYÈ a, avan ke m mouri.’ \v 8 Alò, pou sa, fis mwen, \x + \xo 27:8 \xo*\xt Jen 27:13-43 \xt*\x*koute lòd ke mwen pral ba ou a. \v 9 Ale koulye a, ale nan bann twoupo a. Chwazi de jèn kabrit ladann, pou m kapab prepare yo kòm yon bon manje pou papa ou, jan li renmen li an. \v 10 Konsa, ou va pote li bay papa ou, pou li kapab manje, pou li kapab beni ou avan ke li mouri”. \p \v 11 Jacob te reponn a manman l, Rebecca: “Gade byen, Ésaü, frè m nan \x + \xo 27:11 \xo*\xt Jen 25:25\xt*\x*byen kouvri avèk plim, e po m byen swa. \v 12 \x + \xo 27:12 \xo*\xt Jen 27:21-22 \xt*\x*Petèt papa m va manyen m. Konsa, mwen ta vin tankou yon twonpè nan zye li, e mwen ta rale sou mwen yon madichon olye yon benediksyon.” \p \v 13 Men manman li te di li: “Ke madichon ou tonbe sou mwen, fis mwen! Sèlman \x + \xo 27:13 \xo*\xt Jen 27:8\xt*\x*obeyi vwa m, e ale chache yo pou mwen.” \p \v 14 Li te ale chache yo e te pote yo bay manman l. Manman l te fè yon manje bon gou jan papa l te renmen an. \v 15 Alò, Rebecca te pran pi bon \x + \xo 27:15 \xo*\xt Jen 27:27\xt*\x*vètman Ésaü a, pi gran fis li a, ki te avèk li nan kay la, e te mete yo sou Jacob, pi jèn fis li a. \v 16 Li te mete po kabrit sou men li, ak nan pati kou li ki te swa. \v 17 Osi li te bay Jacob, fis li a, manje bon gou a avèk pen ke li te fè a. \p \v 18 Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.” \p Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?” \p \v 19 Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. \x + \xo 27:19 \xo*\xt Jen 27:31\xt*\x*Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou \x + \xo 27:19 \xo*\xt Jen 27:4\xt*\x*nanm ou kapab beni mwen.” \p \v 20 Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “\x + \xo 27:20 \xo*\xt Jen 24:12\xt*\x*Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.” \p \v 21 Alò, Isaac te di Jacob: “Souple, vin pi pre pou m kapab manyen ou, fis mwen, pou si ou se vrèman fis mwen an Ésaü, o non.” \p \v 22 Jacob te pwoche papa li. Li te manyen li, e te di: “Vwa a se vwa a Jacob, men men yo se men Ésaü.”: \v 23 Li pa t rekonèt li, paske men li te kouvri avèk \x + \xo 27:23 \xo*\xt Jen 27:16\xt*\x*plim tankou men frè l la, Ésaü. Epi akoz sa, li te beni li. \v 24 Li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?” \p Epi li te reponn: “Se Mwen.” \p \v 25 Konsa, li te di: “Pote ban mwen, e mwen va manje nan jibye fis mwen an, \x + \xo 27:25 \xo*\xt Jen 27:4\xt*\x*pou m kapab beni ou.” \p Li te pote ba li, e li te manje. Li te osi pote diven e li te bwè. \v 26 Epi Isaac, papa li, te di li: “Souple, pwoche pou bo m, fis mwen.” \p \v 27 Li te vin pre, e te bo li. Lè li te santi sant vètman li, li te \x + \xo 27:27 \xo*\xt Eb 11:20\xt*\x*beni li, e te di: “Ou wè, sant fis mwen an tankou sant a yon chan \x + \xo 27:27 \xo*\xt Sòm 65:10\xt*\x*ke SENYÈ a te beni. \q1 \v 28 Koulye a, ke \x + \xo 27:28 \xo*\xt Jen 27:39\xt*\x*Bondye kapab ba ou \q1 lawouze syèl la, ak grès tè a, \q1 anpil sereyal chan avèk diven nèf. \q1 \v 29 Ke anpil pèp vin sèvi ou, \q1 e ke nasyon yo bese devan ou. \q1 Vin mèt sou frè ou yo, \q1 e lese fis a manman ou yo \q1 vin bese a ou menm. \q1 \x + \xo 27:29 \xo*\xt Jen 12:3\xt*\x*Modi va sila ki modi ou yo. \q1 Beni va sila ki beni ou yo.” \p \v 30 Depi li rive ke Isaac te fin beni Jacob, e Jacob te apèn sòti nan prezans Isaac, papa l, Ésaü, frè l la te vin sòti nan fè lachas. \v 31 Li menm tou te fè manje bon gou, e li te pote l bay papa l. Li te di a papa l: “\x + \xo 27:31 \xo*\xt Jen 27:19\xt*\x*Ke papa m leve manje nan jibye fis li a, pou ou kapab beni mwen.” \p \v 32 Isaac, papa li te di: “\x + \xo 27:32 \xo*\xt Jen 27:18\xt*\x*Kilès ou ye?” Konsa, li te di: “Mwen se fis ou, premye ne a, Ésaü.” \p \v 33 Alò, Isaac te vin tranble avèk vyolans, e te di: “Alò kilès sa ki te fè lachas jibye a, ki te pote ban mwen, ke m te manje tout li avan ou te vini, e ke mwen te beni li an? \x + \xo 27:33 \xo*\xt Jen 28:3-4 \xt*\x*Wi, e li va beni.” \p \v 34 Lè Ésaü te tande pawòl a papa li yo, \x + \xo 27:34 \xo*\xt Jen 27:19\xt*\x*li te kriye avèk gwo kri ak yon vwa byen fò, e li te di papa l: “Beni m tou o papa mwen.” \p \v 35 Men li te reponn: “\x + \xo 27:35 \xo*\xt Jen 27:19\xt*\x*Frè ou a te vini twonpe m, e li te rache benediksyon ou an.” \p \v 36 Li te di: “Èske se pa t yon verite yo te nonmen li \x + \xo 27:36 \xo*\xt Jen 25:26-32-34 \xt*\x*Jacob, paske li te pran plas mwen de fwa sa yo? Li te pran dwa nesans mwen an, e gade, koulye a li pran benediksyon mwen.” Epi li te di: “Èske ou pa t rezève yon benediksyon pou mwen?” \p \v 37 Isaac te reponn Ésaü: “Gade byen, mwen te fè li \x + \xo 27:37 \xo*\xt Jen 27:28-29 \xt*\x*mèt ou, e tout moun nan fanmi li, mwen te bay li yo kòm sèvitè. Avèk sereyal avèk diven nèf mwen te bay li soutyen. Alò, pou ou, kisa m kapab fè, fis mwen?” \p \v 38 Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Konsa, Ésaü te leve vwa l e te \x + \xo 27:38 \xo*\xt Eb 12:17 \xt*\x*kriye. \p \v 39 Alò, \x + \xo 27:39 \xo*\xt Eb 11:20 \xt*\x*Isaac, papa l te reponn e te di li: \q1 “Gade byen, nan grès bon tè fètil ou va rete, \q1 e lwen lawouze k ap soti anwo syèl la. \q1 \v 40 Pa nepe ou, ou va viv, e frè ou a, \x + \xo 27:40 \xo*\xt Jen 25:23\xt*\x*ou va sèvi li. \q1 Men li va rive \x + \xo 27:40 \xo*\xt II Wa 8:20-22\xt*\x*ke lè ou vin toumante, \q1 ou va kase jouk la sou kou ou.” \p \v 41 Epi Ésaü te \x + \xo 27:41 \xo*\xt Jen 32:3-11\xt*\x*pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.” \p \v 42 Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou. \v 43 Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale \x + \xo 27:43 \xo*\xt Jen 11:31\xt*\x*Charan, vè frè mwen, \x + \xo 27:43 \xo*\xt Jen 24:29\xt*\x*Laban! \v 44 Rete avè l pandan \x + \xo 27:44 \xo*\xt Jen 31:41\xt*\x*kèk jou jiskaske kòlè frè ou a vin bese, \v 45 jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye \x + \xo 27:45 \xo*\xt Jen 27:12-35 \xt*\x*sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?” \p \v 46 Rebecca te di Isaac: “Mwen bouke viv akoz fi Heth yo. Si Jacob pran yon fanm nan fi a Heth yo, tankou sila, nan fi peyi yo, ki byen ki kab rive nan vi m?” \c 28 \p \v 1 Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “\x + \xo 28:1 \xo*\xt Jen 24:3-4 \xt*\x*Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.” \v 2 “Leve ale Paddan-Aram, lakay \x + \xo 28:2 \xo*\xt Jen 24:3-4\xt*\x*Bethuel, papa a manman ou. De la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an. \p \v 3 “Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun. \v 4 Ke li kapab osi bay ou \x + \xo 28:4 \xo*\xt Jen 12:2\xt*\x*benediksyon Abraham nan, pou ou menm, ak pou desandan ou yo osi, ke ou kapab posede peyi kote w ap demere a, ke Bondye te bay a Abraham nan.” \p \v 5 Alò, \x + \xo 28:5 \xo*\xt Jen 27:43\xt*\x*Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü. \p \v 6 Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm, e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “\x + \xo 28:6 \xo*\xt Jen 28:1\xt*\x*Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,” \v 7 epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram. \p \v 8 Konsa Ésaü te wè ke \x + \xo 28:8 \xo*\xt Jen 24:3\xt*\x*fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac. \v 9 Konsa, Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, \x + \xo 28:9 \xo*\xt Jen 26:34\xt*\x* anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la. \p \v 10 Konsa, Jacob te kite \x + \xo 28:10 \xo*\xt Jen 26:23\xt*\x*Beer-Schéba e te ale vè \x + \xo 28:10 \xo*\xt Jen 12:4-5\xt*\x*Charan. \v 11 Li te vini nan yon \x + \xo 28:11 \xo*\xt Jen 28:19\xt*\x*sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche. Li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a. \p \v 12 Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li. \v 13 Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, \x + \xo 28:13 \xo*\xt Jen 26:3\xt*\x*Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak \x + \xo 28:13 \xo*\xt Jen 12:7\xt*\x*desandan ou yo. \v 14 Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye \x + \xo 28:14 \xo*\xt Jen 13:14-15 \xt*\x*nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni. \p \v 15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen \x + \xo 28:15 \xo*\xt Jen 48:21\xt*\x*va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.” \p \v 16 Alò, Jacob te \x + \xo 28:16 \xo*\xt I Wa 3:15\xt*\x*leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.” \v 17 Li te pè, e li te di: “Alò, \x + \xo 28:17 \xo*\xt Sòm 68:35\xt*\x*A la etonnan plas sa a etonnan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.” \p \v 18 Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran \x + \xo 28:18 \xo*\xt Jen 28:11\xt*\x*wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a. \v 19 Li te rele plas sa a \x + \xo 28:19 \xo*\xt Jij 1:23\xt*\x*Béthel, men oparavan non a vil sa a se te \x + \xo 28:19 \xo*\xt Jen 35:6\xt*\x*Luz. \p \v 20 Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “\x + \xo 28:20 \xo*\xt Jen 28:15 \xt*\x*Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen \x + \xo 28:20 \xo*\xt I Tim 6:8 \xt*\x*manje pou m manje, ak rad pou m mete, \v 21 pou m ka retounen lakay papa m anpè, \x + \xo 28:21 \xo*\xt Det 26:17\xt*\x*pou SENYÈ a va Bondye pa m, \v 22 alò, wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye. \x + \xo 28:22 \xo*\xt Lev 27:30\xt*\x*Nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.” \c 29 \p \v 1 Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou \x + \xo 29:1 \xo*\xt Jij 6:3-33 \xt*\x*fis a lès yo. \v 2 Lè li te gade, li te wè yon \x + \xo 29:2 \xo*\xt Jen 24:10-11 \xt*\x*pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj. \v 3 Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a. \p \v 4 Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Yo te reponn: “Nou sòti nan \x + \xo 29:4 \xo*\xt Jen 28:10\xt*\x*Charan.” \p \v 5 Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, \x + \xo 29:5 \xo*\xt Jen 24:24-29 \xt*\x*fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.” \p \v 6 Li te mande yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te reponn: “Wi, tout bagay ale byen pou li. Men fi li a, \x + \xo 29:6 \xo*\xt Egz 2:16\xt*\x*Rachel k ap vini avèk mouton yo.” \p \v 7 Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.” \p \v 8 Men yo te di: “Nou pa kapab jiskaske tout bèje mouton yo fin rasanble, e yo woule wòch la sòti nan bouch pwi a. Se nan lè sa a nou va bay mouton yo dlo.” \p \v 9 Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje. \v 10 Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche. Li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan. \v 11 Epi Jacob te bo \x + \xo 29:11 \xo*\xt Jen 33:4\xt*\x*Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye. \v 12 Jacob te di Rachel ke li te yon \x + \xo 29:12 \xo*\xt Jen 28:5\xt*\x*moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca. Li te kouri di papa l sa. \p \v 13 Alò, lè \x + \xo 29:13 \xo*\xt Jen 24:29-31\xt*\x*Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te \x + \xo 29:13 \xo*\xt Jen 33:4\xt*\x*anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo. \v 14 Laban te di li: “Anverite, ou se \x + \xo 29:14 \xo*\xt Jen 2:23\xt*\x*zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa. \p \v 15 Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?” \p \v 16 Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel. \v 17 Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te \x + \xo 29:17 \xo*\xt Jen 12:11,14 \xt*\x*byen bèl nan figi l, ni nan fòm li. \v 18 Alò Jacob te \x + \xo 29:18 \xo*\xt Jen 24:67\xt*\x*renmen Rachel, e konsa li te di: “\x + \xo 29:18 \xo*\xt Os 12:12\xt*\x*Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.” \p \v 19 Laban te di: “Li pi bon pou m bay ou li pase pou m ta bay li a yon lòt gason. Rete avè m.” \v 20 Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li. \p \v 21 Konsa, Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab \x + \xo 29:21 \xo*\xt Jij 15:1\xt*\x*antre nan relasyon avè l.” \v 22 Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt. \p \v 23 Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li. \v 24 Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant. \v 25 Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: \x + \xo 29:25 \xo*\xt Jen 12:18 \xt*\x*“Kisa sa ou te fè m la a? \p “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?” \p \v 26 Men Laban te di: “Se pa koutim peyi nou pou fè maryaj a pi jèn nan avan premye ne a. \v 27 Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, \x + \xo 29:27 \xo*\xt Jen 31:41\xt*\x*ou va sèvi m yon lòt sèt ane.” \p \v 28 Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li. \v 29 Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li. \v 30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, \x + \xo 29:30 \xo*\xt Jen 29:17-18 \xt*\x*li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane. \p \v 31 Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit. \v 32 Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te \x + \xo 29:32 \xo*\xt Jen 16:11\xt*\x*wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.” \v 33 Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: \x + \xo 29:33 \xo*\xt Det 21:15 \xt*\x*“Akoz ke SENYÈ a te tande ke mwen te rayi, pou sa Li te ban mwen fis sila a osi.” Alò, li te bay li non Siméon. \p \v 34 Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Alò fwa sa a mari mwen va vin atache a mwen, paske mwen te fè twa fis pou li.” Pou sa, li te nonmen li \x + \xo 29:34 \xo*\xt Jen 49:5 \xt*\x*Lévi. \p \v 35 Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li \x + \xo 29:35 \xo*\xt Jen 49:8\xt*\x*Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit. \c 30 \p \v 1 Alò, lè Rachel te wè ke \x + \xo 30:1 \xo*\xt Jen 29:31\xt*\x*li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou. Li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.” \p \v 2 Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te \x + \xo 30:2 \xo*\xt Jen 20:18\xt*\x*anpeche vant ou bay fwi a?” \p \v 3 Li te reponn: “Men sèvant mwen an, Bilha, antre an relasyon avèk li pou li kapab pouse fè sou jenou mwen yo. Konsa, pa li menm, mwen kapab fè timoun tou.”\x + \xo 30:3 \xo*\xt Jen 16:2\xt*\x* \p \v 4 Epi \x + \xo 30:4 \xo*\xt Jen 16:3-4 \xt*\x*li te ba li sèvant li, Bilha kòm madanm, e li te antre nan relasyon avèk li. \v 5 Bilha te vin ansent, e li te fè yon fis pou Jacob. \p \v 6 Alò, Rachel te di: “Bondye te \x + \xo 30:6 \xo*\xt Sòm 35:24\xt*\x*ban mwen rezon. Li te vrèman tande vwa m, e Li te ban mwen yon fis.” Pou sa, li te nonmen li Dan. \p \v 7 Sèvant a Rachel la, Bilha te vin ansent ankò, e li te fè pou Jacob yon dezyèm fis. \v 8 Alò, Rachel te di: “Avèk gwo lit mwen te mennen avèk sè mwen an, mwen te vrèman vin genyen l.” Epi li te nonmen li Nephtali. \p \v 9 Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm. \v 10 Sèvant a Léa a, Zilpa te fè yon fis pou Jacob. \v 11 Konsa, Léa te di: “A la chans!” Epi li te nonmen li Gad. \p \v 12 Sèvant Léa a, Zilpa te fè pou Jacob yon dezyèm fis. \v 13 Epi Léa te di: “A la kontan mwen kontan! Pou sa, fanm yo va rele mwen kontan.” Epi li te nonmen li Aser. \p \v 14 Alò, nan jou rekòlt ble yo, Reuben te sòti pou twouve mandragò nan chan an, e li te pote yo bay manman li, Léa. Alò, Rachel te di a Léa: “Souple, ban m kèk nan mandragò fis ou yo.” \p \v 15 Men Léa te di l: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Konsa, èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?” \p Rachel te reponn: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.” \p \v 16 Lè Jacob te sòti nan chan an nan aswè, alò, Léa te sòti pou rankontre li. Li te di l: “Ou oblije antre an relasyon ak mwen aswè a, paske vrèman mwen te achte ou avèk mandragò a fis mwen yo.” Epi li te kouche avèk li nan nwit lan. \p \v 17 Bondye te okipe Léa, e li te fè yon senkyèm fis pou Jacob. \v 18 Epi Léa te di: “Bondye te ban mwen salè mwen, akoz ke m te bay sèvant mwen an a mari mwen.” \p \v 19 Léa te vin ansent ankò, e li te fè yon sizyèm fis pou Jacob. \v 20 Alò Léa te di: “Bondye te ban mwen yon bon kado! Koulye a mari mwen va rete avè m akoz ke mwen fè sis fis pou li.” Alò li te nonmen li Zabulon. \p \v 21 Apre sa li te fè yon fi, e li te nonmen li Dina. \p \v 22 Alò, \x + \xo 30:22 \xo*\xt I Sam 1:19-20 \xt*\x*Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te \x + \xo 30:22 \xo*\xt Jen 29:31 \xt*\x*louvri vant li. \v 23 Konsa, li te vin ansent, e li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Bondye \x + \xo 30:23 \xo*\xt És 4:1\xt*\x*retire repwòch mwen.” \v 24 Li te rele li Joseph, e li te di: “\x + \xo 30:24 \xo*\xt Jen 35:17\xt*\x*Ke SENYÈ a ban m yon lòt fis.” \p \v 25 Alò, li te rive ke lè Rachel te fè Joseph, Jacob te di a Laban: “\x + \xo 30:25 \xo*\xt Jen 24:54-56 \xt*\x*Voye mwen ale, pou mwen kapab ale nan pwòp plas mwen e nan pwòp peyi mwen. \v 26 Ban mwen madanm mwen yo, ak pitit mwen yo, \x + \xo 30:26 \xo*\xt Jen 29:18-27 \xt*\x*pou sila mwen te sèvi ou yo. Kite mwen pati, paske ou menm ou konnen sèvis ke m te rann ou yo.” \p \v 27 Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine \x + \xo 30:27 \xo*\xt Jen 29:18-27 \xt*\x*ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.” \v 28 Li te pale toujou: \x + \xo 30:28 \xo*\xt Jen 29:15\xt*\x*“Nonmen salè ou, e mwen va ba ou li”. \p \v 29 Men li te di li: \x + \xo 30:29 \xo*\xt Jen 31:6\xt*\x*“Ou menm ou konnen jan mwen te sèvi ou, ak jan bèt ou yo te byen okipe avè m. \v 30 Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?” \p \v 31 Epi Laban te di: “Kisa mwen kapab ba ou?” \p Epi Jacob te reponn: “Ou pa bezwen ban m anyen. Si w ap fè yon sèl bagay pou mwen, mwen va okipe bann ou yo ankò, epi kenbe yo. \v 32 Kite mwen pase nan tout bann mouton ou yo, pou retire chak \x + \xo 30:32 \xo*\xt Jen 31:8\xt*\x*mouton ki takte, oswa trase, avèk tout sa ki nwa pami ti mouton yo, chak sa ki takte oswa trase pami kabrit yo. Se sa yo ki va sèvi kòm salè mwen. \v 33 Konsa entegrite mwen va reponn pou mwen pita, lè ou vin parèt konsènan salè mwen. Chak sa ki pa takte, oswa trase pami kabrit yo, e ki nwa pami jenn mouton yo, si li twouve avè m, konsidere ke mwen te vòlè l.” \p \v 34 Laban te di li: “Sa bon. Kite sa fèt selon pawòl ou.” \p \v 35 Alò, nan menm jou sa a, li te rete tout mal kabrit ki te trase, oswa takte, ak tout femèl kabrit ki te takte, chak ki te gen blan ladann, ak tout nwa pami mouton yo, e li te bay fis li yo okipe yo. \v 36 Epi li te mete yon distans twa jou antre li menm avèk Jacob, e Jacob te bay manje a tout rès bann mouton yo pou Laban. \p \v 37 Jacob te pran bwa vèt nan pye sikrèn, pye zanmann, ak pye bwadòm, e li te kale tras blan nan yo pou fè parèt blan ki te nan bwa yo. \v 38 Li te plase bwa li te kale yo devan bann mouton yo, nan flèv dlo yo, e nan basen dlo kote bann mouton yo te vin bwè a. Se la yo te kwaze lè yo te vin pou bwè. \v 39 Alò, bann mouton yo te kwaze kote bwa kale yo, e yo te fè pote sa ki te trase, takte e pentle yo. \p \v 40 Jacob te separe ti mouton yo, e te fè bann mouton yo rete anfas, pou yo t ap gade tout sa ki te trase yo, ak tout nwa yo, ki te nan bann mouton Laban yo. Li te mete pwòp bann mouton li yo apa, pou yo pa t avèk bann mouton Laban yo. \v 41 Anplis de sa, nenpòt kilè bèt ki pi fò nan bann mouton yo ta kwaze, Jacob ta mete bwa yo devan zye a bèt ki nan basen dlo yo, pou yo ta kwaze akote bwa yo; \v 42 men lè bann mouton an te fèb, li pa t mete yo ladann. Konsa pi fèb yo te vin pou Laban, e pi fò yo pou Jacob. \p \v 43 Konsa, \x + \xo 30:43 \xo*\xt Jen 12:16\xt*\x*nonm nan te vin pwospere anpil. Li te vin gen gwo bann mouton, sèvant ak sèvitè, chamo avèk bourik. \c 31 \p \v 1 Alò, Jacob te tande pawòl fis Laban yo ki te vin di: “Jacob te retire tout sa ki te pou papa nou, e avèk sa ki te pou papa nou, li te fè tout richès li.” \v 2 Jacob te wè konpòtman Laban, e gade byen, li pa t emab anvè li jan li te ye avan an. \p \v 3 Epi SENYÈ a te di a Jacob: “Retounen nan peyi a zansèt ou yo, a moun ou yo, e \x + \xo 31:3 \xo*\xt Jen 28:15\xt*\x*mwen va avèk ou.” \p \v 4 Alò Jacob te voye rele Rachel avèk Léa vè bann mouton li nan chan an. \v 5 Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men \x + \xo 31:5 \xo*\xt Jen 21:22\xt*\x*Bondye a papa m nan te avèk mwen. \v 6 \x + \xo 31:6 \xo*\xt Jen 30:29\xt*\x*Nou konnen ke mwen te sèvi papa nou avèk tout fòs mwen. \v 7 Malgre sa, papa nou te \x + \xo 31:7 \xo*\xt Jen 29:25\xt*\x*twonpe mwen, e li te \x + \xo 31:7 \xo*\xt Jen 31:41\xt*\x*chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj. \v 8 Si \x + \xo 31:8 \xo*\xt Jen 30:32\xt*\x*li te pale konsa: ‘Takte yo se salè ou’, alò, tout bann mouton yo te bay pitit takte. Epi si li te pale konsa ke trase yo te salè ou, alò tout bann mouton yo te bay pitit trase. \v 9 Konsa Bondye te \x + \xo 31:9 \xo*\xt Jen 31:1-6 \xt*\x*retire bèt yo nan men papa ou, e Li te ban mwen yo. \p \v 10 “Epi li te rive ke lè bann mouton yo a t ap kwaze, ke mwen te leve zye mwen, mwen te wè nan yon rèv, e gade byen, mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele. \p \v 11 “Alò, \x + \xo 31:11 \xo*\xt Jen 16:7-11\xt*\x*zanj Bondye a te di mwen nan rèv la: ‘Jacob,’ epi mwen te di: ‘Men mwen.’ \p \v 12 “Li te di: ‘Koulye a leve zye ou, pou wè ke tout mal kabrit ki t ap kwaze yo te trase, takte, e mele, paske \x + \xo 31:12 \xo*\xt Egz 3:7 \xt*\x*Mwen te wè tout sa ke Laban te fè ou yo. \v 13 Mwen menm se \x + \xo 31:13 \xo*\xt Jen 28:13-19 \xt*\x*Bondye a Béthel la, kote ou te \x + \xo 31:13 \xo*\xt Jen 28:18-20 \xt*\x* vide lwil sou yon pilye, kote ou te fè sèman a Mwen menm nan. Konsa, leve, kite tè sa a, e retounen nan peyi nesans ou a.’” \p \v 14 Rachel avèk Léa te di li: “Èske nou gen yon pati nan eritaj lakay papa nou an ki rete? \v 15 Èske li pa rekonèt nou kòm etranje? Paske \x + \xo 31:15 \xo*\xt Jen 29:20-27 \xt*\x*li gen tan vann nou. Anplis, li te manje tout byen nou ranmase. \v 16 Vrèman, tout byen ke Bondye te rachte nan men papa nou yo, se pou nou avèk pitit nou ke yo ye. Alò, fè sa ke Bondye te di ou fè a.” \p \v 17 Alò, Jacob te leve. Li te mete pitit li yo avèk madanm li yo sou chamo yo. \v 18 Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, \x + \xo 31:18 \xo*\xt Jen 35:27\xt*\x*pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac. \p \v 19 Lè Laban te ale pou taye plim mouton li yo, Rachel te vòlè \x + \xo 31:19 \xo*\xt Jen 31:30-34\xt*\x*zidòl lakay ki te pou papa li yo. \v 20 Konsa, Jacob te twonpe Laban, Arameyen an. Li pa t di li ke li t ap sove ale. \v 21 Li te sove ale avèk tout sa ke li te genyen, epi li te leve pou travèse lariviyè Euphrate la, ak figi li byen fikse vè peyi mòn \x + \xo 31:21 \xo*\xt Jen 37:25\xt*\x*Galaad yo. \p \v 22 Lè yo te di Laban nan twazyèm jou ke Jacob te sove ale a, \v 23 li te pran moun fanmi li yo, pou l te kouri dèyè li pandan sèt jou. Konsa, li te vin rive devan li nan ti kolin nan peyi Galaad yo. \p \v 24 \x + \xo 31:24 \xo*\xt Jen 20:3\xt*\x*Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon \x + \xo 31:24 \xo*\xt Jen 31:11\xt*\x*rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.” \p \v 25 Laban te vin rive devan Jacob. Alò Jacob te monte tant li nan peyi kolin yo, e Laban avèk moun pa li yo te rete nan peyi kolin Galaad yo. \v 26 Alò, Laban te di a Jacob: “Kisa ou te fè m la a lè ou te twonpe m e fè eskalad avèk fi mwen yo tankou prizonyè ki sou nepe? \v 27 Poukisa ou te sove ale an sekrè? Ou fè m desepsyon sa a, e ou pa di m sa pou m ta kapab voye ou ale avèk jwa, ak chante, tanbouren ak ap? \v 28 Ou pa t menm kite m \x + \xo 31:28 \xo*\xt Jen 31:55\xt*\x*bo fis mwen yo, ak fi mwen yo. Alò, ou gen tan fè betiz. \v 29 Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men \x + \xo 31:29 \xo*\xt Jen 31:5-53 \xt*\x*Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa. Li te di: ‘Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’. \v 30 Alò, vrèman ou te sòti paske ou te anvi wè lakay papa ou, men poukisa ou te vòlè \x + \xo 31:30 \xo*\xt Jen 31:19\xt*\x*dye mwen yo?” \p \v 31 Jacob te reponn Laban: “Akoz ke m te pè, paske mwen te panse ke ou ta rachte fi ou yo nan men mwen pa lafòs. \v 32 \x + \xo 31:32 \xo*\xt Jen 44:9\xt*\x*Sila ki twouve avèk dye ou yo p ap viv. Nan prezans tout fanmi nou yo, montre m sa ki pou ou nan byen mwen yo, e pran li pou ou menm.” Paske Jacob pa t konnen ke Rachel te gen tan vòlè yo. \p \v 33 Alò, Laban te antre nan tant Jacob la, nan tant Léa a, ak nan tant sèvant yo, men li pa t twouve yo. \v 34 Alò, Rachel te pran zidòl lakay yo. Li te mete yo nan sèl chamo a, e li te chita sou yo. Konsa, Laban te manyen toupatou nan tant lan, men li pa t twouve yo. \p \v 35 Li te di a papa li: “Pa kite mèt mwen an fache avè m, pwiske mwen p ap ka \x + \xo 31:35 \xo*\xt Lev 19:32\xt*\x*leve devan ou, paske se règ mwen ki sou mwen.” Alò, li te chache, men li pa t jwenn \x + \xo 31:35 \xo*\xt Jen 31:19\xt*\x*zidòl kay yo. \p \v 36 Alò, Jacob te vin fache. Li te konfwonte Laban. Jacob te di l: “Ki tò mwen te fè ou? Ki peche mwen te fè konsa pou ou vin pouswiv mwen tou cho konsa? \v 37 Malgre ou gen tan manyen tout afè m, kisa ou te twouve ladan yo ki pou lakay ou? Mete li isit la devan moun pa m avèk moun pa ou yo, pou yo ka pran yon desizyon antre nou de a. \p \v 38 “Pandan ventan mwen te la avè w. Mouton ou yo avèk kabrit ou yo pa janm pèdi pitit, ni mwen pa t manje belye nan bann mouton ou yo. \v 39 Sa ki te chire pa bèt sovaj, èske m pa te pote yo bay ou? Mwen te fè pèt la pou kont mwen. Se konsa ou te egzije sa ki nan men m, sof ke sa ki vòlè nan lajounen, sof ke sa ki vòlè nan lannwit. \v 40 Konsa mwen te ye: Nan lajounen, solèy la te manje m, fredi nan lannwit, e dòmi te vòlè sove ale nan zye mwen. \v 41 Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. \x + \xo 31:41 \xo*\xt Jen 29:27-30 \xt*\x*Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa. \v 42 Si Bondye a papa m nan, Bondye a Abraham nan pa t pou mwen, vrèman koulye a ou t ap kab voye m ale men vid. \x + \xo 31:42 \xo*\xt Egz 3:7 \xt*\x*Bondye te wè afliksyon mwen, ak travay di ke men m te gen tan fè, epi Li te \x + \xo 31:42 \xo*\xt Jen 31:24-29 \xt*\x*rann jijman an yèswa.” \p \v 43 Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, \x + \xo 31:43 \xo*\xt Jen 31:1\xt*\x*bann mouton yo se bann mouton mwen. Tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè? \v 44 Alò, kounye a vin non, annou \x + \xo 31:44 \xo*\xt Jen 21:27-32 \xt*\x*fè yon akò, ou menm avèk mwen menm. Annou fè li kòm yon temwen antre ou menm avèk mwen.” \p \v 45 Konsa, Jacob te pran \x + \xo 31:45 \xo*\xt Jen 28:18\xt*\x*yon gwo wòch. Li te fè l kanpe tankou yon pilye. \v 46 Jacob te di a tout relasyon fanmi pa li a: “Sanble wòch”! Epi yo te pran wòch yo. Yo te fè yon gwo pil, e yo te manje la akote pil la. \v 47 Alò Laban \x + \xo 31:47 \xo*\xt Jos 22:34\xt*\x*te rele la Jegar-Sahadutha, men Jacob te rele l Galed. \p \v 48 Laban te di: “\x + \xo 31:48 \xo*\xt Jos 24:27\xt*\x*Gwo pil wòch sa se yon temwen antre ou menm avèk mwen menm jodi a.” Konsa, li te rele l Galed, \v 49 epi osi \x + \xo 31:49 \xo*\xt Jij 11:29\xt*\x*Mitspa, paske li te di: “Ke Bondye kapab gade antre ou menm avèk mwen lè nou vin absan de youn lòt. \v 50 Si ou maltrete fi mwen yo, oswa si ou pran madanm anplis ke fi mwen yo, malgre pèsòn pa avèk nou, ou wè, \x + \xo 31:50 \xo*\xt Jr 29:23 \xt*\x*Bondye se temwen antre ou menm avèk mwen.” \p \v 51 Laban te di a Jacob: “Gade byen gwo pil sa a, e veye byen gwo pilye ke m etabli antre ou menm avèk mwen an. \v 52 Gwo pil sa a se yon temwen. Pilye a se yon temwen ke mwen p ap pase vè gwo pil sa a pou fè ou mal, e ou p ap pase gwo pil sa a vè mwen pou fè m mal. \v 53 Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin \x + \xo 31:53 \xo*\xt Jen 16:5\xt*\x*jij antre nou menm.” \p Konsa Jacob te sèmante pa \x + \xo 31:53 \xo*\xt Jen 31:42\xt*\x*krent a papa l, Isaac. \v 54 Alò, Jacob te \x + \xo 31:54 \xo*\xt Egz 18:12\xt*\x*ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan. \p \v 55 Granmmaten, \x + \xo 31:55 \xo*\xt Jen 31:28,43\xt*\x* Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li. \c 32 \p \v 1 Alò, pandan Jacob te fin pran wout li, \x + \xo 32:1 \xo*\xt II Wa 6:16-17\xt*\x*zanj Bondye yo te rankontre li. \v 2 Jacob te di lè li te wè yo: “Sa se lame Bondye a.” Konsa, li te nonmen plas sa a \x + \xo 32:2 \xo*\xt Jos 21:38\xt*\x*Mahanaïm. \p \v 3 Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi \x + \xo 32:3 \xo*\xt Jen 14:16\xt*\x*Séir a nan teritwa \x + \xo 32:3 \xo*\xt Jen 25:30\xt*\x*Édom an. \v 4 Li te bay mesaje yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te \x + \xo 32:4 \xo*\xt Jen 31:41\xt*\x*demere la jis rive koulye a. \v 5 Mwen gen bèf avèk bourik, avèk bann mouton, sèvitè avèk sèvant. M ap voye pou di mèt mwen sa, pou m kapab vin jwenn favè nan zye w.’” \p \v 6 Mesaje yo te retounen vè Jacob. Yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü. Konsa, li ap vin kote ou avèk kat-san òm.” \p \v 7 Epi Jacob te vin \x + \xo 32:7 \xo*\xt Jen 32:11\xt*\x*pè anpil, e byen twouble. Li te divize moun ki te avè l yo, bann mouton, twoupo bèf ak chamo pou fè de konpanyen. \v 8 Konsa, li te di: “Si Ésaü ta vin atake youn nan konpanyen yo, alò, konpanyen ki rete a va chape.” \p \v 9 Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, O SENYÈ ki te di mwen an: \x + \xo 32:9 \xo*\xt Jen 28:15\xt*\x*‘Retounen nan peyi ou, e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere,’ \v 10 mwen pa merite \x + \xo 32:10 \xo*\xt Jen 24:27\xt*\x*tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen. \v 11 \x + \xo 32:11 \xo*\xt Sòm 59:1-2\xt*\x*Delivre mwen, souple \x + \xo 32:11 \xo*\xt Jen 27:41-42\xt*\x*anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo. \v 12 Paske ou te di: ‘Anverite, \x + \xo 32:12 \xo*\xt Jen 28:14\xt*\x*Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’” \p \v 13 Epi li te pase nwit lan la. Alò, li te chwazi nan sa li te gen avè l yo kòm yon \x + \xo 32:13 \xo*\xt Jen 43:11\xt*\x*kado pou frè li, Ésaü: \v 14 De-san kabrit femèl, ven kabrit mal, de-san femèl mouton, ak ven mal, \v 15 trant chamo ki t ap bay lèt a pitit pa yo, karant bèf avèk dis towo, ven bourik femèl, ak dis ti bourik. \p \v 16 Li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Chak ekip te mache pou kont li, e li te di a sèvitè li yo: “Pase devan m, e mete yon espas antre de bann yo.” \v 17 Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’ \v 18 Alò, ou va di: ‘Se pou sèvitè ou, Jacob. Se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Men gade byen, li la dèyè nou.’” \p \v 19 Li te kòmande osi a dezyèm nan, a twazyèm nan, ak tout sa ki te swiv ekip yo, e li te di: “Se konsa nou va pale avèk Ésaü lè nou rankontre li. \v 20 Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’” \v 21 Epi kado a te pase devan li, e li menm te pase nwit lan menm kote li te fè kan an. \p \v 22 Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote \x + \xo 32:22 \xo*\xt Det 3:16\xt*\x*Jabbok la. \v 23 Li te pran yo, e li te voye yo travèse dlo a. Konsa, li te voye travèse ak tout sa li te genyen. \p \v 24 Konsa, Jacob te rete tout sèl, e yon nonm te \x + \xo 32:24 \xo*\xt Os 12:3-4\xt*\x*vin lite avèk li jis rive granmmaten. \v 25 Lè li te wè ke li pa t genyen l, li te touche gwo jwenti janm li (anwo kote l tache nan kò a), epi li te vin dejwente pandan li t ap lite avè l. \v 26 Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” \p Men Jacob te di: “\x + \xo 32:26 \xo*\xt Os 12:4\xt*\x*Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.” \p \v 27 Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?” \p Li te reponn: “Jacob.” \p \v 28 Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.” \v 29 Alò \x + \xo 32:29 \xo*\xt Jij 13:17-18 \xt*\x*Jacob te mande li: “Souple, di m non ou.” Li te reponn: “Poukisa ou mande m non mwen?” Epi li te beni li la. \v 30 Konsa, Jacob te nonmen kote sa Peniel, paske li te di: “\x + \xo 32:30 \xo*\xt Jen 16:13\xt*\x*Mwen te wè Bondye fasafas, malgre sa, vi mwen te prezève.” \p \v 31 Alò, solèy la te leve sou li nan menm moman li t ap travèse \x + \xo 32:31 \xo*\xt Jij 8:8\xt*\x*Peniel la, e li te bwate akoz gwo janm nan. \v 32 Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan. \c 33 \p \v 1 Alò, Jacob te leve zye li. Li te gade, e gade byen, \x + \xo 33:1 \xo*\xt Jen 32:6 \xt*\x*Ésaü t ap vini, ak kat-san òm avèk li. Konsa, li te divize pitit yo pami Léa avèk Rachel avèk de sèvant yo. \v 2 Li te mete sèvant li yo devan, Léa avèk pitit li yo dèyè yo, e Rachel avèk Joseph an dènye. \v 3 Men li menm te pran devan yo. Li te \x + \xo 33:3 \xo*\xt Jen 42:2\xt*\x*bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a. \p \v 4 Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te \x + \xo 33:4 \xo*\xt Jen 45:14-15 \xt*\x*tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye. \v 5 Li te leve zye li pou wè fanm yo, e li te di: “Se kilès? Sila yo ki avèk ou la a?” \p Epi Jacob te di: “\x + \xo 33:5 \xo*\xt Jen 48:9 \xt*\x*Pitit ke Bondye nan gras li te bay sèvitè ou.” \p \v 6 Alò, sèvant lakay yo te vin pwoche avèk pitit pa yo, e yo te bese ba. \v 7 Léa tou te apwoche avèk pitit li yo. Yo te bese ba. Apre, Joseph te vini avèk Rachel, e yo te bese ba. \p \v 8 Ésaü te di: “Kisa ou vle di ak tout ekip sa yo ke m rankontre la a?” \p Jacob te reponn: “\x + \xo 33:8 \xo*\xt Jen 32:5 \xt*\x*Pou jwenn favè nan zye a mèt mwen.” \p \v 9 Men Ésaü te di: “\x + \xo 33:9 \xo*\xt Jen 27:39-40 \xt*\x*Mwen gen kont mwen, frè m; kite sa ou genyen yo rete pou ou.” \p \v 10 Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m. \v 11 Souple, pran kado ki te pote pou ou a, \x + \xo 33:11 \xo*\xt Jen 30:43\xt*\x*paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li. \p \v 12 Konsa, Esaü te di: “Annou fè vwayaj nou. Ann ale, e mwen va ale devan nou.” \v 13 Men Jacob te di li: “Mèt mwen, ou konnen ke timoun yo frajil, e ke bann mouton avèk twoupo k ap bay tete yo se yon tèt chaje pou mwen. Si yo pouse twòp, menm pou yon jou, yo va mouri. \v 14 Souple, kite mèt mwen an pase devan sèvitè li. Mwen menm mwen va avanse pi dousman, selon nesesite bèt ki devan m yo, ak selon vitès a timoun yo, jis lè m rive vè mèt mwen an nan Séir.” \p \v 15 Ésaü te di: “Souple, kite mwen ba ou kèk nan moun ki avè m yo.” Men li te di: “Poukisa ou fè sa? \x + \xo 33:15 \xo*\xt Rt 2:13 \xt*\x*Kite mwen jwenn favè nan zye a mèt mwen an.” \v 16 Konsa, Ésaü te fè wout li pou Séir menm jou sa a. \v 17 Jacob te vwayaje a \x + \xo 33:17 \xo*\xt Jos 13:27 \xt*\x*Succoth. Li te bati pou li menm yon kay, e li te fè pak pou tout bèt li yo, epi pou sa, yo rele plas la Succoth. \p \v 18 Alò, Jacob te rive san pwoblèm nan vil \x + \xo 33:18 \xo*\xt Jos 24:1\xt*\x*Sichem nan peyi Canaan, lè li te sòti \x + \xo 33:18 \xo*\xt Jen 28:2\xt*\x*Paddan-Aram. Li te fè kan an devan vil la. \v 19 \x + \xo 33:19 \xo*\xt Jos 24:32\xt*\x*Li te achte yon mòso tè kote li te monte tant li nan men fis Hamor yo, papa Sichem nan, pou sòm a san pyès lajan. \v 20 Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël. \c 34 \p \v 1 Alò, \x + \xo 34:1 \xo*\xt Jen 30:21\xt*\x*Dina, fi Léa te fè pou Jacob la te sòti pou vizite fi peyi yo nan kote sa a. \v 2 Lè Sichem, fis Hamor a, \x + \xo 34:2 \xo*\xt Jen 34:30\xt*\x*Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li. \v 3 Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l. \v 4 Alò, Sichem te \x + \xo 34:4 \xo*\xt Jij 14:2\xt*\x*pale avèk papa l Hamor. Li te di: “Fè m jwenn jèn fi sa a pou madanm.” \p \v 5 Alò, Jacob te tande ke li te vyole Dina, fi li a, men fis li yo te avèk bèt yo nan chan an. Alò, li te rete san pale jis lè yo te vin antre. \p \v 6 Hamor, papa a Sichem, te vin deyò a pou pale avèk li. \v 7 Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a. Konsa, mesye yo te blese. Yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz \x + \xo 34:7 \xo*\xt Det 22:20-30\xt*\x*meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt. \p \v 8 Men Hamor te pale avèk yo. Li te di: “Nanm fis mwen an, Sichem anvi fi ou a anpil. Pou sa, silvouplè, ba li li pou yo marye. \v 9 Annou marye yo youn pou lòt. Bay fi ou yo a nou menm, e pran fi nou yo pou ou menm. \v 10 Konsa, ou va viv avèk nou, e \x + \xo 34:10 \xo*\xt Jen 13:9\xt*\x*peyi a va vin ouvri devan nou. Viv ladann, e fè afè nou yo ladann.” \p \v 11 Sichem te di osi a papa ak frè a Dina, “Kite mwen twouve favè nan zye nou. Konsa, mwen va bannou nenpòt sa ke nou mande m. \v 12 Mande m tan kòm pèyman avèk kado, e mwen va bannou nenpòt sa nou mande mwen, men ban mwen fi a pou marye.” \p \v 13 Konsa, fis Jacob yo te reponn Sichem avèk papa li Hamor avèk desepsyon, akoz ke li te vyole Dina, sè yo a. \v 14 Yo te di yo: “Nou pa kapab fè bagay sa a, pou bay sè nou an a yon moun ki \x + \xo 34:14 \xo*\xt Jen 17:4\xt*\x*pa sikonsi. Sa ta yon wont pou nou tout. \v 15 Sou yon sèl kondisyon nou ta kapab dakò: si nou va vini tankou nou. Sa vle di ke chak mal nan nou ta vin sikonsi. \v 16 Konsa, nou va bay sè nou yo a nou menm, nou va viv avèk nou e vin yon sèl pèp. \v 17 Men si nou pa koute nou pou vin sikonsi, alò, n ap pran sè nou an e ale.” \p \v 18 Alò, pawòl pa yo a te parèt rezonab a Hamor avèk Sichem, fis Hamor a. \v 19 Jennonm sa a pa t pèdi tan pou fè bagay la, paske li te tèlman kontan avèk fi Jacob la. Epi li te jwenn respe depase tout moun ki lakay papa li a. \v 20 Konsa, Hamor, avèk fis li a, Sichem te vini nan \x + \xo 34:20 \xo*\xt Rt 4:1\xt*\x*pòtay vil yo, li te pale avèk mesye nan vil yo, e li te di: \v 21 “Moun sa yo se zanmi nou yo ye; pou sa, annou kite yo viv nan peyi a pou fè komès ladann, paske, gade byen, peyi a ase gran pou yo. Annou pran fi yo an maryaj, e bay fi nou yo a yo menm. \p \v 22 “Se sèl sou kondisyon sa a ke moun sa yo va vin dakò pou vin viv avèk nou, pou vin yon sèl pèp; ke chak mal pami nou vin sikonsi tankou yo menm tou deja sikonsi a. \v 23 Se pa ke bèt, byen ak tout zannimo yo va vin pou nou? Sèlman annou vin dakò avèk yo, e yo va viv avèk nou.” \p \v 24 Tout sa yo ki te sòti nan pòtay lavil la te koute Hamor, avèk fis li a, Sichem. Konsa, chak mal te sikonsi, tout moun ki te sòti nan pòtay vil la. \p \v 25 Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, \x + \xo 34:25 \xo*\xt Jen 49:5-7\xt*\x*Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo. Yo te vini sou vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo. \v 26 Yo te touye Hamor avèk fis li a, Sichem, avèk lam file a nepe yo. Yo te pran Dina soti lakay Sichem nan, e yo te ale. \v 27 Fis Jacob yo te vini sou mò yo. Yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a. \v 28 Yo te pran bann mouton, twoupo ak bourik, sa ki te nan vil la, ak sa ki te nan chan an. \v 29 Epi yo te kaptire e piyaje tout byen yo, tout pitit yo, madanm yo, menm tout sa ki te lakay yo. \p \v 30 Alò Jacob te di a Siméon avèk Lévi: “Nou vin \x + \xo 34:30 \xo*\xt Jos 7:25\xt*\x*pote pwoblèm pou mwen akoz ke nou \x + \xo 34:30 \xo*\xt Egz 5:21\xt*\x*fè m vin rayi pa abitan peyi yo, pami Kananeyen avèk Ferezyen yo. Epi akoz ke gason nou yo pa anpil, yo va rasanble kont mwen, pou atake mwen, e mwen va vin detwi, mwen menm avèk tout lakay mwen.” \p \v 31 Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?” \c 35 \p \v 1 Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale \x + \xo 35:1 \xo*\xt Jen 28:19\xt*\x*Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou \x + \xo 35:1 \xo*\xt Jen 27:43\xt*\x*lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.” \p \v 2 Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout \x + \xo 35:2 \xo*\xt Jen 31:19-34 \xt*\x*dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou. \v 3 Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, \x + \xo 35:3 \xo*\xt Sòm 107:6\xt*\x*ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te \x + \xo 35:3 \xo*\xt Jen 28:15\xt*\x*avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.” \v 4 Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan. \v 5 Pandan yo t ap vwayaje, yon \x + \xo 35:5 \xo*\xt Egz 15:16\xt*\x*gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo. \p \v 6 Alò, Jacob te vini \x + \xo 35:6 \xo*\xt Jen 28:19\xt*\x*Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo. \v 7 \x + \xo 35:7 \xo*\xt Jen 35:3\xt*\x*Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la. \p \v 8 Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a). \p \v 9 Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te \x + \xo 35:9 \xo*\xt Jen 32:29\xt*\x*beni li. \v 10 \x + \xo 35:10 \xo*\xt Jen 17:5\xt*\x*Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël. \p \v 11 Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. \x + \xo 35:11 \xo*\xt Jen 9:1-7\xt*\x*Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon \x + \xo 35:11 \xo*\xt Jen 48:4\xt*\x*gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou. \v 12 \x + \xo 35:12 \xo*\xt Jen 12:7\xt*\x*Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.” \v 13 Konsa, \x + \xo 35:13 \xo*\xt Jen 17:22\xt*\x*Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a. \p \v 14 Jacob te etabli yon \x + \xo 35:14 \xo*\xt Jen 28:18-19 \xt*\x*pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li. \v 15 Alò, Jacob te nonmen plas kote Bondye te pale avèk li a \x + \xo 35:15 \xo*\xt Jen 28:19\xt*\x*Béthel. \v 16 Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive \x + \xo 35:16 \xo*\xt Jen 35:19\xt*\x*Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil. \v 17 Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske \x + \xo 35:17 \xo*\xt Jen 30:24\xt*\x*ou va gen yon lòt gason.” \p \v 18 Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin. \p \v 19 \x + \xo 35:19 \xo*\xt Jen 48:7\xt*\x*Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem). \v 20 Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se \x + \xo 35:20 \xo*\xt I Sam 12:2\xt*\x*pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a. \p \v 21 Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen \x + \xo 35:21 \xo*\xt Mi 4:8\xt*\x*tou Migdal-Éder a. \v 22 Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, \x + \xo 35:22 \xo*\xt Jen 49:4\xt*\x*Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob— \v 23 \x + \xo 35:23 \xo*\xt Jen 49:4\xt*\x*fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon, \v 24 \x + \xo 35:24 \xo*\xt Jen 30:22-24\xt*\x*fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin; \v 25 \x + \xo 35:25 \xo*\xt Jen 30:5-8 \xt*\x*fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali; \v 26 \x + \xo 35:26 \xo*\xt Jen 30:10-13\xt*\x*fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram. \p \v 27 Jacob te vini vè papa li, Isaac nan \x + \xo 35:27 \xo*\xt Jen 13:18\xt*\x*Mamré pou \x + \xo 35:27 \xo*\xt Jos 14:15\xt*\x*Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a. \p \v 28 Alò, jou Isaac yo te \x + \xo 35:28 \xo*\xt Jen 25:26\xt*\x*san-katre-ven ane. \v 29 Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te \x + \xo 35:29 \xo*\xt Jen 25:8\xt*\x*rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li. \c 36 \p \v 1 Alò, sa yo se achiv jenerasyon \x + \xo 36:1 \xo*\xt Jen 25:30\xt*\x*Ésaü yo, (sa vle di, Edom). \p \v 2 Ésaü te \x + \xo 36:2 \xo*\xt Jen 28:9; Jen 36:25\xt*\x*pran madanm pami fi Canaan yo: Ada, fi Elon an, Etyen an, Oholibama, fi Ana a, ak gran fi a Tsibeon an, Evyen an. \v 3 Anplis, Basamath, fi Ismaël la, sè Nebajoth la. \p \v 4 Ada te fè Eliphaz bay Ésaü, e Basamath te fè Réuel; \v 5 Epi Oholibama te fè Jéusch, Jaelam, ak Koré. Sa yo se fis Ésaü ki te fèt a li menm nan peyi Canaan. \p \v 6 \x + \xo 36:6 \xo*\xt Jen 12:5\xt*\x*Epi Ésaü te pran madanm li yo, fis ak fi li yo avèk tout lakay li, bèt li yo avèk tout bèf li yo, ak tout byen ke li te ranmase nan peyi Canaan yo, e li te ale nan yon lòt peyi, lwen frè li a, Jacob. \v 7 Paske byen yo te vin twò gran pou yo ta viv ansanm, e peyi kote yo te demere a pa t kab pran yo akoz tout bèt yo te genyen yo. \v 8 Konsa, Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan \x + \xo 36:8 \xo*\xt Jen 32:3\xt*\x*Séir. Ésaü se menm avèk Édom. \p \v 9 Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir. \p \v 10 Alò men non a fis Ésaü yo: Éliphaz, fis Ada a madanm Ésaü a, Réuel, fis Basamath la, madanm a Ésaü a. \p \v 11 Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz. \p \v 12 Thimna te fanm lakay Éliphaz, fis Ésaü a; li te fè Amalek pou Éliphaz. Sila yo se fis Ada yo, madanm Ésaü a. \p \v 13 Sa yo se fis Réuel yo: Nahath, Zérach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a. \p \v 14 Sa yo se te fis madanm Ésaü a, Oholibama, fi Ana a, ki te pitit pitit Tsibeon an: li te fè pou Ésaü, Jéusch, Jaelam, ak Koré. \p \v 15 Men chèf a fis Ésaü yo. Fis Éliphaz yo, premye ne Ésaü a, se chèf Théman, chèf Omar, chèf Tsepho, chèf Kenatz, \v 16 chèf Koré, chèf Gaetham, chèf Amalek. Sa yo se chèf ki te desandan Eliphaz nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Ada yo. \p \v 17 Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèf Zérach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a. \p \v 18 Sa yo se fis a Oholibama yo, madanm a Ésaü a; chèf Jéusch, chèf Jaelam, chèf Koré. Sa yo se chèf ki te desandan pa Oholibama a, madanm a Ésaü a, fi a Ana a. \p \v 19 Sila yo se fis a Ésaü yo (sa vle di Édom), e sa yo se chèf yo. \p \v 20 Sila yo se fis Séir yo, \x + \xo 36:20 \xo*\xt Jen 14:6\xt*\x*Oryen an, pèp peyi a: Lothan, Schobal avèk Tsibeon ak Ana, \v 21 epi Dischon, Etser avèk Dischan. Sa yo se te chèf a Oryen yo, fis Séir yo, nan peyi Édom an. \p \v 22 Fis a Lothan yo se te Hori avèk Hémam. Sè a Lothan an se te Thimna. \p \v 23 Men fis a Schobal yo: Alvan, Manahath, Ébal, Schepho, avèk Onam. \p \v 24 Men fis a Tsibeon yo: Ajja ak Ana. Se te Ana ki te twouve sous cho nan dezè a lè l t ap fè gadyen bourik yo pou papa l, Tsibeon. \p \v 25 Men pitit a Ana yo: Dischon avèk Oholibama, fi a Ana a. \p \v 26 Men fis Dischon yo: Hemdan, Eschban, Jithran, avèk Keran. \p \v 27 Men fis a Etser yo: Bilhan, Zavvan avèk Akan. \p \v 28 Men fis a Dischan yo: Uts avèk Aran. \p \v 29 Men chèf Oryen yo: chèf Lothan, chèf Schobal, chèf Tsibeon, ak chèf Ana, \v 30 chèf Dischon, chèf Etser, chèf Dischan. Sa se chèf a Oryen yo, chèf ki te nan peyi Séir yo. \p \v 31 Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo. \p \v 32 Béla, fis Beor, te renye sou Édom; epi non vil pa l la te Dinhaba. \p \v 33 Béla te mouri e Jbab, fis Zérach, a Botsra te renye nan plas li. \p \v 34 Jbab te vin mouri; epi Huscham nan peyi Temanit yo te renye nan plas li. \p \v 35 Huscham te mouri; epi Hadad, fis a Bedad la te vin renye nan plas li. Se te li menm ki te frape Madian nan chan Moab la. Non a vil sa a se te Avith. \p \v 36 Hadad te mouri; epi Samia ak Masréka te vin renye nan plas li. \p \v 37 Samia te mouri; epi Saül ak Rehoboth sou larivyè Euphrate la te vin renye nan plas li. \p \v 38 Saül te mouri; epi Baal-Hanan, fis Acbor a te vin renye nan plas li. \p \v 39 Baal-Hanan, fis Acbor te mouri, epi Hadar te vin renye nan plas li. Non a vil sa a se te Pau; epi non madanm li te Mehéthabeel, fi a Mthred, fi a Mézahab la. \p \v 40 Men non a chèf ki te desandan Ésaü yo, selon tribi yo, selon teritwa yo, pa non yo; chèf Timna, chèf Alva, chèf Jetheth, \v 41 chèf Oholibama, chèf Éla, chèf Pinon, \v 42 chèf Kenaz, chèf Théman, chèf Mibtsar, \v 43 chèf Magdiel, chèf Iram. \p Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo. \c 37 \p \v 1 Alò, Jacob te viv nan \x + \xo 37:1 \xo*\xt Jen 17:8\xt*\x*peyi kote papa li te konn demere a, nan peyi Canaan an. \p \v 2 Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk \x + \xo 37:2 \xo*\xt Jen 35:25-26\xt*\x*fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon \x + \xo 37:2 \xo*\xt I Sam 2:22-24\xt*\x*move rapò sou yo, bay papa li. \p \v 3 Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te \x + \xo 37:3 \xo*\xt Jen 44:20 \xt*\x* fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon \x + \xo 37:3 \xo*\xt Jen 37:23-32 \xt*\x*vètman plen tout koulè. \v 4 Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te \x + \xo 37:4 \xo*\xt Jen 27:41\xt*\x* vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye. \p \v 5 Alò, Joseph \x + \xo 37:5 \xo*\xt Jen 28:12\xt*\x*te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis. \v 6 Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a. \v 7 Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin \x + \xo 37:7 \xo*\xt Jen 42:6-9 \xt*\x*bese devan pakèt pa mwen yo.” \p \v 8 Alò, frè li yo te di li: “\x + \xo 37:8 \xo*\xt Jen 49:26\xt*\x*Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo. \p \v 9 Alò li te vin fè yon rèv toujou, li te eksplike li bay frè li yo. Li te di: “Gade, mwen te fè yon lòt rèv; e gade byen, solèy la, lalin lan avèk onz zetwal yo t ap bese ba devan mwen.” \p \v 10 Li te eksplike li bay papa li avèk frè li yo. Papa li te reprimande li e te di l: “Kisa sa ye, rèv sa ou te fè a? Èske mwen, manman ou avèk \x + \xo 37:10 \xo*\xt Jen 27:29\xt*\x*frè ou yo vrèman ap vin bese atè devan ou?” \v 11 \x + \xo 37:11 \xo*\xt Trav 7:9\xt*\x*Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te \x + \xo 37:11 \xo*\xt Dan 7:28\xt*\x*kenbe pawòl sa yo nan tèt li. \p \v 12 Epi frè li yo te ale mennen bann mouton an Sichem. \v 13 Israël te di Joseph: “Èske frè ou yo p ap okipe bann mouton an \x + \xo 37:13 \xo*\xt Jen 33:18-20 \xt*\x*Sichem? Vini pou mwen ka voye ou bò kote yo.” \p Epi li te reponn: “Mwen va ale”. \p \v 14 Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale \x + \xo 37:14 \xo*\xt Jen 13:18\xt*\x*Hébron an e li te rive Sichem. \v 15 Yon mesye te twouve li, e gade byen, li t ap mache toupatou nan chan an. Konsa, mesye a te mande li: “Kisa w ap chache?” \p \v 16 Li te di: “Mwen ap chache frè m yo. Souple, fè m konnen kote yo ap fè patiraj pou bann mouton an.” \p \v 17 Alò, mesye a te di: “Yo te deplase isit la, paske mwen te tande yo di: ‘Annou ale \x + \xo 37:17 \xo*\xt II Wa 6:13 \xt*\x*Dothan.’” \p Epi Joseph te swiv frè li yo, e li te twouve yo Dothan. \v 18 Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te \x + \xo 37:18 \xo*\xt Sòm 31:13\xt*\x*fè konplo pou mete li a lanmò. \p \v 19 Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini! \v 20 Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e \x + \xo 37:20 \xo*\xt Jen 37:32-33 \xt*\x*nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!” \p \v 21 Men \x + \xo 37:21 \xo*\xt Jen 42:22\xt*\x*Reuben te tande sa, li te retire li nan men yo, e li te di: “Annou pa pran lavi li.” \v 22 Reuben te di yo anplis de sa: “Pa vèse san. Jete li nan twou sila ki nan dezè a, men pa mete men sou li” —akoz lentansyon li te gen pou fè l chape nan men yo, pou l ta kapab remèt li bay papa l. \p \v 23 Alò li te rive ke lè Joseph te rive kote frè li yo, yo te retire vètman an sou li, (sa ki te gen anpil koulè ladann nan); \v 24 epi yo te pran li e yo te jete li nan fòs la. Alò fòs la te vid e li pa t gen dlo ladann. \p \v 25 Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj \x + \xo 37:25 \xo*\xt Jen 43:11 \xt*\x*gòm awomatik, \x + \xo 37:25 \xo*\xt Jr 8:22 \xt*\x*bòm avèk mè pou rive an Égypte. \p \v 26 Juda te di a frè li yo: “Ki avantaj sa ye si nou touye frè nou an, e \x + \xo 37:26 \xo*\xt Jen 37:20\xt*\x*kache san li? \v 27 \x + \xo 37:27 \xo*\xt Jen 42:21\xt*\x*Vini, annou vann li bay Izmayelit yo e annou pa mete men nou sou li, paske li se frè nou, pwòp chè nou.” Epi frè li yo te koute li. \p \v 28 Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te \x + \xo 37:28 \xo*\xt Jen 45:4-5\xt*\x*vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa \x + \xo 37:28 \xo*\xt Jen 39:1\xt*\x*yo te mennen Joseph antre an Égypte. \p \v 29 Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te \x + \xo 37:29 \xo*\xt Jen 37:34\xt*\x*chire rad li. \v 30 Li te retounen vè frè li yo e te di: “\x + \xo 37:30 \xo*\xt Jen 42:13-36 \xt*\x*Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?” \p \v 31 Konsa, yo te \x + \xo 37:31 \xo*\xt Jen 37:3-23 \xt*\x*pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an. \v 32 Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.” \p \v 33 Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. \x + \xo 37:33 \xo*\xt Jen 37:20; Jen 44:28\xt*\x*Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!” \p \v 34 Alò, Jacob te \x + \xo 37:34 \xo*\xt Jen 37:29\xt*\x*chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a. \v 35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va \x + \xo 37:35 \xo*\xt Jen 25:8\xt*\x*desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li. \p \v 36 Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la. \c 38 \p \v 1 Epi li te vin rive nan lè sa a ke Judas te kite frè l yo, pou te vizite yon sèten \x + \xo 38:1 \xo*\xt Jos 15:35\xt*\x*Adilamit ki te rele Hira. \v 2 La, Juda te wè fi a yon sèten Kananeyen ki te rele \x + \xo 38:2 \xo*\xt I Kwo 2:3\xt*\x*Schua. Li te pran li e te antre an relasyon ak li. \v 3 Konsa, li te vin ansent, li te fè yon fis, e li te nonmen li \x + \xo 38:3 \xo*\xt Jen 46:12\xt*\x*Er. \v 4 Epi li te vin ansent ankò, li te bay yon fis, ki te nonmen \x + \xo 38:4 \xo*\xt Jen 46:12\xt*\x*Onan. \v 5 Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li \x + \xo 38:5 \xo*\xt Nonb 26:20 \xt*\x*Schéla. Li te nan Czib lè li te fè li. \p \v 6 Alò, Juda te pran yon madanm pou Er, premye ne li a, e non li te Tamar. \v 7 Men \x + \xo 38:7 \xo*\xt Jen 46:12 \xt*\x*Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li. \p \v 8 Konsa, Juda te di a Onan: “\x + \xo 38:8 \xo*\xt Det 25:5-6 \xt*\x*Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.” \v 9 Onan te konnen ke \x + \xo 38:9 \xo*\xt Det 25:6\xt*\x*posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li. \v 10 Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te \x + \xo 38:10 \xo*\xt Jen 46:12\xt*\x*pran vi li tou. \p \v 11 Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “\x + \xo 38:11 \xo*\xt Rt 1:12,13 \xt*\x*Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li. \p \v 12 Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès alanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote \x + \xo 38:12 \xo*\xt Jos 15:10-57 \xt*\x*Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan. \p \v 13 Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè \x + \xo 38:13 \xo*\xt Jos 15:10-57 \xt*\x*Thimna pou taye lenn mouton li yo.” \v 14 Alò, li te retire vètman vèv li a, li te \x + \xo 38:14 \xo*\xt Jen 24:65\xt*\x*kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante \x + \xo 38:14 \xo*\xt Jen 38:11-26\xt*\x*li devan li kòm madanm. \p \v 15 Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li. \v 16 Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?” \p \v 17 Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.” \p Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?” \p \v 18 Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m \x + \xo 38:18 \xo*\xt Jen 38:25\xt*\x*so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm. \v 19 Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo. \p \v 20 Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li. \v 21 Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.” \p \v 22 Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’” \p \v 23 Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.” \p \v 24 Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.” \p Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e \x + \xo 38:24 \xo*\xt Lev 21:9\xt*\x*kite yo brile li.” \p \v 25 Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “\x + \xo 38:25 \xo*\xt Jen 37:32\xt*\x*Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?” \p \v 26 Juda te rekonèt yo, e te di: “\x + \xo 38:26 \xo*\xt I Sam 24:17\xt*\x*Li pi jis pase mwen, paske \x + \xo 38:26 \xo*\xt Jen 38:14\xt*\x*mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò. \p \v 27 Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen \x + \xo 38:27 \xo*\xt Jen 25:24-26\xt*\x*jimo nan vant li. \v 28 Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”. \v 29 Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li \x + \xo 38:29 \xo*\xt Jen 46:12\xt*\x*Pérets. \v 30 Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li \x + \xo 38:30 \xo*\xt I Kwo 2:4\xt*\x*Zerah. \c 39 \p \v 1 Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte. Epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men \x + \xo 39:1 \xo*\xt Jen 37:25-28-36 \xt*\x*Izmayelit yo, ki te fè l desann la. \p \v 2 \x + \xo 39:2 \xo*\xt Jen 39:3-23 \xt*\x*SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an. \v 3 Alò mèt li a te \x + \xo 39:3 \xo*\xt Jen 21:22\xt*\x*wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te \x + \xo 39:3 \xo*\xt Sòm 1:3\xt*\x*fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l. \v 4 Konsa, Joseph te \x + \xo 39:4 \xo*\xt Jen 18:3\xt*\x*twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e \x + \xo 39:4 \xo*\xt Jen 24:2\xt*\x*tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li. \v 5 Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te \x + \xo 39:5 \xo*\xt Jen 30:27\xt*\x*beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an. \v 6 Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon \x + \xo 39:6 \xo*\xt Jen 29:17\xt*\x*bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li. \p \v 7 Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm Potiphar a, te gade Joseph avèk anvi. Konsa, li te di: “\x + \xo 39:7 \xo*\xt II Sam 13:11 \xt*\x*Vin kouche avè m.” \p \v 8 Men \x + \xo 39:8 \xo*\xt Pwov 6:23-24 \xt*\x*Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen. \v 9 \x + \xo 39:9 \xo*\xt Jen 41:40\xt*\x*Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?” \v 10 Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avèk l, oswa pou li ta rete avè l. \p \v 11 Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la. \v 12 Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò. \p \v 13 Lè Madanm nan te vin wè ke li te kite vètman li nan men l, e li te kouri deyò, \v 14 li te rele tout gason ouvriye lakay li yo, e li te di yo: “Ou wè sa, li pote bannou yon Ebre ki pou vin fè jwèt avèk nou. Li te vin antre sou mwen pou kouche avè m, men mwen te rele fò. \v 15 Lè li tande ke m te leve vwa m pou rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen, e li te sove ale kouri deyò.” \p \v 16 Konsa, li te kenbe vètman an kote li jiskaske mèt li te rive nan kay la. \v 17 Alò, li te \x + \xo 39:17 \xo*\xt Egz 23:1 \xt*\x*pale avèk li ak pawòl sa yo: “Esklav Ebre ke ou te mennen bannou an, te antre kote mwen pou fè spò avè m, \v 18 men lè m te leve vwa m pou te rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen pou te sove ale deyò.” \v 19 Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” \x + \xo 39:19 \xo*\xt Pwov 6:34 \xt*\x*li te vin brile avèk kòlè. \p \v 20 Konsa, mèt Joseph la te pran li e te \x + \xo 39:20 \xo*\xt Jen 40:3\xt*\x*mete li nan prizon, nan plas kote prizonye ki pou wa yo te ye. Epi li te la nan prizon an. \v 21 Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te \x + \xo 39:21 \xo*\xt Egz 3:21 \xt*\x*fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an. \p \v 22 Chèf Kasèl la te \x + \xo 39:22 \xo*\xt Jen 39:4\xt*\x*fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an, jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab. \v 23 Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph, paske \x + \xo 39:23 \xo*\xt Jen 39:21\xt*\x*SENYÈ a te avèk li, paske nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere. \c 40 \p \v 1 Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke \x + \xo 40:1 \xo*\xt Jen 40:11-13 \xt*\x*chèf ki te responsab pran avan gou diven nan pou wa a, ansanm ak bòs boulanje a wa a te fè yon ofans kont mèt yo, Wa a Égypte la. \v 2 Farawon \x + \xo 40:2 \xo*\xt Pwov 16:14\xt*\x* te vin plen ak kòlè sou ofisye sa yo, chèf ki responsab pote tas la, avèk bòs boulanje a. \v 3 Alò li te sere yo nan prizon lakay \x + \xo 40:3 \xo*\xt Jen 39:1-20 \xt*\x*Kaptenn a kò gad la, menm kote ke Joseph te anprizone a. \v 4 Kaptenn kò gad la te mete Joseph an chaj yo, pou li te okipe yo. Konsa, yo te nan prizon an pou kèk tan. \p \v 5 Epi pandan tan sa a, toude moun sa yo, chèf ki te responsab pran avan gou diven nan, ak bòs boulanje a wa a, te fè yon rèv nan menm nwit lan. Chak moun te fè pwòp rèv pa li, e chak rèv te gen pwòp entèpretasyon pa li. \p \v 6 Lè Joseph te vini kote yo nan maten, li te gade yo, e gade byen, yo te byen dekouraje. \v 7 Li te mande ofisye Farawon an sila yo, ki te anprizone avèk li nan kay mèt li a: “\x + \xo 40:7 \xo*\xt Né 2:2\xt*\x*Poukisa figi nou tris konsa jodi a?” \p \v 8 Epi yo te di li: “\x + \xo 40:8 \xo*\xt Jen 41:15\xt*\x*Nou te fè yon rèv, e nanpwen pèsòn pou entèprete li.” Alò, Joseph te di yo: “\x + \xo 40:8 \xo*\xt Dan 2:27-28\xt*\x*Èske entèpretasyon yo pa apatyen a Bondye? Di m istwa sa a, souple.” \p \v 9 Epi chèf responsab goute diven nan te pataje rèv li avèk Joseph, e li te di a li menm: “Nan rèv mwen an, gade byen, te gen yon pye rezen devan m, \v 10 epi sou pye rezen an, te gen twa branch. Konsa, pandan li t ap boujonnen, flè li yo te parèt, e touf flè yo te pwodwi pakèt rezen mi. \v 11 Alò, tas Farawon an te nan men m; epi mwen te pran rezen yo, mwen te peze yo nan tas Farawon an, e mwen te mete tas la nan men Farawon.” \p \v 12 Joseph te di l: “Men, sa se \x + \xo 40:12 \xo*\xt Dan 2:36 \xt*\x*entèpretasyon sa a: twa branch sa yo se twa jou. \v 13 Nan yon tan twa jou, Farawon va leve tèt ou e reprann ou nan pozisyon ou. Ou va mete tas Farawon an nan men li menm jan ou te konn fè lè ou te nan sèvis responsab pote diven nan. \v 14 Sèlman, sonje mwen lè li ale byen avèk ou, e souple, \x + \xo 40:14 \xo*\xt Jos 2:12\xt*\x*fè m gras e nonmen non mwen a Farawon pou fè m soti nan kay sa a. \v 15 Paske \x + \xo 40:15 \xo*\xt Jen 37:26-28 \xt*\x*mwen te kidnape nan peyi Ebre yo, e menm isit la mwen pa t fè anyen pou yo ta dwe mete m nan prizon.” \p \v 16 Lè bòs boulanje a te wè ke li te fè yon entèpretasyon favorab, li te di Joseph: “Mwen te wè nan rèv mwen an, e gade byen, te gen twa panyen pen blan sou tèt mwen. \v 17 Epi nan panyen pi wo a, te gen kèk nan tout kalite manje kwit pou Farawon, e zwazo yo te manje yo nan panyen sou tèt mwen an.” \p \v 18 Alò, Joseph te reponn e te di: “Sa se entèpretasyon an. Twa panyen yo se twa jou. \v 19 Pandan twa jou ankò, Farawon va leve tèt ou sou ou. Li va pann ou sou yon bwa, e zwazo va retire chè sou ou e manje ou.” \p \v 20 Alò, li te vin rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a \x + \xo 40:20 \xo*\xt Mat 14:6\xt*\x*Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. \x + \xo 40:20 \xo*\xt II Wa 25:27\xt*\x* Epi li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo. \v 21 Li te reprann chèf responsab pote tas la nan pozisyon li, e \x + \xo 40:21 \xo*\xt Jen 40:13\xt*\x*li te ankò vin responsab mete tas la nan men Farawon. \v 22 Men li \x + \xo 40:22 \xo*\xt Jen 40:19\xt*\x*te pann chèf bòs boulanje a jis jan ke Joseph te entèprete pou yo. \p \v 23 Men, chèf responsab pote manje a pa t sonje Joseph. Li te \x + \xo 40:23 \xo*\xt Job 19:14\xt*\x*bliye li. \c 41 \p \v 1 Alò, li te vin rive nan lafin dezane, Farawon te fè yon rèv, e gade byen, li te kanpe devan lariviyè Nil lan. \v 2 Konsa, gade byen, sèt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen swa, e byen gra. Yo t ap manje nan \x + \xo 41:2 \xo*\xt Job 8:11 \xt*\x*zèb flèv la. \v 3 Epi gade byen, sèt lòt bèf te sòti nan lariviyè Nil lan, byen lèd e mèg, e yo te kanpe akote lòt bèf bò kote lariviyè Nil lan. \v 4 Bèf ki te lèd e mèg yo te manje valè sèt bèf ki te swa e byen gra yo. Epi konsa, Farawon te vin leve nan dòmi. \p \v 5 Li te tonbe dòmi ankò, e fè rèv yon dezyèm fwa. Konsa, sèt tèt mayi te vini sou yon sèl pye mayi, ki te gwo e bon. \v 6 Epi gade byen, sèt tèt, mèg ki brile pa van lès yo, te vin boujonnen dèyè yo. \v 7 Tèt mèg yo te valè sèt tèt ki te gra e byen plen yo. Alò, Farawon te leve, e gade byen, sa se te yon rèv. \p \v 8 Alò, nan maten \x + \xo 41:8 \xo*\xt Dan 2:1-3 \xt*\x*lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te eksplike yo rèv li yo, men \x + \xo 41:8 \xo*\xt Dan 4:7 \xt*\x*pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon. \p \v 9 Alò, chèf responsab pote manje a te pale a Farawon. Li te di li: “Jodi a, mwen ta dwe admèt yon \x + \xo 41:9 \xo*\xt Jen 40:14-23 \xt*\x*tò ke m genyen. \v 10 Farawon te \x + \xo 41:10 \xo*\xt Jen 40:2-3 \xt*\x*byen fache avèk sèvitè li yo, e li te fè m anprizone lakay Kaptenn kò gad la, mwen menm avèk chèf boulanje a. \v 11 \x + \xo 41:11 \xo*\xt Jen 40:5\xt*\x*Nou te fè yon rèv nan menm nwit lan, mwen menm ak li menm tou. Nou chak te fè yon rèv ak pwòp entèpretasyon pa li. \v 12 Alò, te gen yon jennonm ki te la avèk nou, yon \x + \xo 41:12 \xo*\xt Jen 37:36\xt*\x*sèvitè kaptenn kò gad la, yon Ebre. Nou te pale rèv yo a li menm, e \x + \xo 41:12 \xo*\xt Jen 40:12\xt*\x*li te entèprete rèv nou yo pou nou. A chak moun li te entèprete selon pwòp rèv pa li. \v 13 Epi jan ke \x + \xo 41:13 \xo*\xt Jen 40:21-22 \xt*\x*li te entèprete pou nou an, konsa li te vin rive. Mwen menm te vin restore nan pozisyon mwen, e li menm, lòt la, wa a te pann.” \p \v 14 Alò, Farawon te voye \x + \xo 41:14 \xo*\xt Sòm 105:20\xt*\x*rele Joseph. \x + \xo 41:14 \xo*\xt Dan 2:25\xt*\x*Avèk vitès, yo te mennen li sòti nan prizon an. Depi li fin taye bab li e chanje rad li, li te vini devan Farawon. \p \v 15 Farawon te di a Joseph: “Mwen te fè yon rèv, \x + \xo 41:15 \xo*\xt Jen 41:8\xt*\x*men pa gen pèsòn ki kapab entèprete li. Men mwen tande pale de ou menm ke lè ou tande yon rèv, ou kapab bay entèpretasyon li.” \p \v 16 Joseph te reponn Farawon. Li te di: “Sa pa nan mwen, men \x + \xo 41:16 \xo*\xt Jen 40:8\xt*\x*Bondye va bay Farawon yon repons favorab.” \p \v 17 Alò, Farawon te pale avèk Joseph: “Nan rèv mwen an, men gade, mwen te kanpe arebò Rivyè Nil lan. \v 18 Epi gade byen, sèt bèf, gra e swa te vin monte sòti nan Nil lan; yo t ap manje nan zèb arebò rivyè a. \v 19 Epi gade byen, sèt lòt bèf te vin monte apre yo, kata, lèd e mèg, konsa, mwen pa t janm wè youn ki lèd nan tout peyi Égypte la. \v 20 Epi bèf mèg ak lèd yo te manje premye sèt bèf gra yo. \v 21 E lè yo te fin devore yo, ou pa t kab konnen si yo te manje yo, paske yo te rete mèg menm jan yo te ye avan an. Epi se konsa mwen te vin leve. \p \v 22 “Mwen te wè nan rèv mwen an tou, byen parèt, se te sèt tèt mayi, plen e bon te vini sou yon sèl pye. \v 23 Epi gade, sèt tèt sèch yo, ki brile pa van lès yo te vin pouse apre yo. \v 24 Konsa, tèt sèch yo te valè sèt bon tèt yo. Epi alò, \x + \xo 41:24 \xo*\xt És 8:19\xt*\x*mwen te pale sa a majisyen yo, men pa t gen youn ki ta kapab eksplike m afè sila a.” \p \v 25 Alò, Joseph te di a Farawon: “Rèv a Farawon yo se yon sèl ke yo ye; \x + \xo 41:25 \xo*\xt Jen 41:28-32 \xt*\x*Bondye te di a Farawon kisa ki prèt pou fèt. \v 26 Sèt bon bèf yo se sèt ane; epi sèt bon tèt yo se sèt ane; rèv sa yo se yon sèl yo ye. \v 27 Sèt bèf lèd ak mèg yo ki te sòti apre yo a se sèt ane, e sèt tèt mèg ki brile pa van lès la va \x + \xo 41:27 \xo*\xt II Wa 8:1 \xt*\x*sèt ane ak gwo grangou. \p \v 28 “Se tankou mwen te pale a Farawon: “\x + \xo 41:28 \xo*\xt Jen 41:25-32 \xt*\x*Bondye te montre Farawon kisa ki prèt pou rive. \v 29 Gade byen, \x + \xo 41:29 \xo*\xt Jen 41:47\xt*\x*sèt ane ak gran abondans yo ap vini nan peyi Égypte la. \v 30 Epi apre yo, \x + \xo 41:30 \xo*\xt Jen 41:54-56 \xt*\x*sèt ane ak gwo grangou yo va vini, tout abondans sa a va gen tan bliye nan peyi Égypte la, e gwo grangou sa a va ravaje peyi a. \v 31 Alò, abondans lan p ap sonje nan peyi a akoz konsekans gwo grangou a, paske li va vrèman rèd. \v 32 Alò, pou afè repete rèv la de fwa a, li vle di Farawon ke \x + \xo 41:32 \xo*\xt Jen 41:25-28 \xt*\x*koze sa a deja detèmine pa Bondye, e Bondye va fè l parèt byen vit. \p \v 33 “Alò, Farawon gen pou chèche yon nonm avèk \x + \xo 41:33 \xo*\xt Jen 41:39\xt*\x*konprann ak sajès, pou mete li responsab sou peyi Égypte la. \v 34 Kite Farawon aji pou chwazi administratè k ap pran chaj peyi a, e kite yo egzije yon senkyèm nan rekòlt peyi Égypte la, nan sèt ane abondans lan. \v 35 Konsa, kite yo ranmase tout manje nan bon ane sa yo k ap vini an, mete yo nan depo pou vil ki anba otorite Farawon yo, e kite yo mete yo anba gad. \v 36 Kite manje yo vini yon rezèv pou peyi a pandan sèt ane gwo grangou yo ki va fèt nan peyi Égypte la, pou peyi a pa peri pandan gwo grangou a.” \p \v 37 Alò, plan sa a te parèt bon a Farawon, ak tout sèvitè li yo. \v 38 Alò, Farawon te di a sèvitè li yo: \x + \xo 41:38 \xo*\xt Job 32:8 \xt*\x*“Èske nou kapab twouve yon lòt moun konsa, nan sila a ki gen Lespri Bondye?” \p \v 39 Epi Farawon te di a Joseph: “Akoz Bondye te fè ou konprann tout sa, nanpwen okenn lòt moun ki gen \x + \xo 41:39 \xo*\xt Jen 41:33\xt*\x*konprann ak sajès tankou ou menm. \v 40 \x + \xo 41:40 \xo*\xt Sòm 105:21\xt*\x*Ou va sou tout lakay mwen, e selon lòd pa ou tout pèp mwen an ap fè obeyisans. Se sèl sou twòn nan ke mwen va pi wo pase ou.” \p \v 41 Farawon te di a Joseph: “Ou wè, mwen plase ou \x + \xo 41:41 \xo*\xt Jen 42:6\xt*\x*sou tout peyi Égypte la.” \v 42 Alò, Farawon te retire bag so a nan men li. Li te mete li nan men Joseph, e li te abiye l ak rad len fen ak yon kolye lò nan kou li. \v 43 Li te fè l monte nan dezyèm cha li a, epi li te pwoklame devan li: “Mete ajenou!” Epi li te plase li sou tout peyi Égypte la. \p \v 44 Anplis de sa, Farawon te di a Joseph: “Malgre mwen se Farawon, san pèmisyon pa ou, pèsòn p ap leve ni men li ni pye li sou tout peyi Égypte la.” \v 45 Alò, Farawon te nonmen Joseph Tsaphnath-Paenéach. Li te bay li Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt \x + \xo 41:45 \xo*\xt Jr 43:13 \xt*\x*On an, kòm madanm li. Epi Joseph te plase sou tout peyi Égypte la. \p \v 46 Alò, Joseph te gen \x + \xo 41:46 \xo*\xt Jen 37:2\xt*\x*laj trant ane lè li te kanpe devan Farawon, wa Égypte la. Epi Joseph te sòti nan prezans Farawon, e li te ale toupatou nan tout peyi Égypte la. \v 47 Pandan sèt ane abondans yo, peyi a te pwodwi anpil. \v 48 Konsa, Joseph te ranmase tout manje pandan sèt ane sa yo ki te ekoule nan peyi Égypte la, e li te mete manje yo nan vil yo. Li te mete nan chak vil, menm manje ki te sòti nan chan ki antoure li yo. \v 49 Konsa, Joseph te ranmase sereyal an gran abondans tankou sab lanmè, jiskaske li te vin sispann mezire li, paske li te depase kontwòl. \p \v 50 Alò, avan ane gwo grangou a te rive, \x + \xo 41:50 \xo*\xt Jen 48:5 \xt*\x*de fis te vin ne a Joseph ke Asnath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li. \v 51 Joseph te nonmen premye ne a Manassé, paske li te di: “Bondye te fè m bliye tout pwoblèm mwen yo ak tout lakay papa m.” \v 52 Li te nonmen dezyèm nan Éphraïm, paske li te di: \x + \xo 41:52 \xo*\xt Jen 17:6 \xt*\x*“Bondye fè mwen bay anpil fwi nan peyi afliksyon mwen an.” \p \v 53 Sèt ane abondans ki te nan peyi Égypte la te fin pase. \v 54 Epi \x + \xo 41:54 \xo*\xt Sòm 105:16\xt*\x*sèt ane gwo grangou a te kòmanse, jis jan ke Joseph te di. Alò te vin gen gwo grangou nan tout peyi yo, men nan peyi Égypte la te gen pen. \v 55 Lè tout peyi Égypte la te grangou, yo te rele fò a Farawon pou bay pen. Konsa, Farawon te di tout Ejipsyen yo: “Ale wè Joseph. \x + \xo 41:55 \xo*\xt Jn 2:5\xt*\x*Nenpòt sa li mande nou, nou va fè l.” \p \v 56 Gwo grangou a te fin gaye sou tout sifas tè a. Konsa, Joseph te ouvri tout depo yo pou te vann manje bay Ejipsyen yo. Gwo grangou a te byen rèd nan peyi Égypte la. \v 57 Pèp yo de tout peyi te vini an Égypte pou achte sereyal Joseph yo, akoz \x + \xo 41:57 \xo*\xt Jen 12:10\xt*\x*gwo grangou a te rèd sou tout tè a. \c 42 \p \v 1 Alò, \x + \xo 42:1 \xo*\xt Trav 7:12 \xt*\x*Jacob te wè ke te gen sereyal an Égypte, e Jacob te di fis li yo: “Poukisa nou ap gade youn sou lòt konsa?” \v 2 Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, \x + \xo 42:2 \xo*\xt Jen 43:8\xt*\x*pou nou kapab viv, e pa mouri.” \p \v 3 Alò, dis frè Joseph yo te desann pou achte sereyal an Égypte. \v 4 Men Jacob pa t voye frè Joseph la, \x + \xo 42:4 \xo*\xt Jen 35:18-24 \xt*\x*Benjamin avèk lòt frè li yo, paske li te di: “Mwen pè pou yon mal ta kab rive li.” \v 5 Alò, fis Israël yo te vini pou achte sereyal pami sila ki t ap vini yo, \x + \xo 42:5 \xo*\xt Jen 12:10\xt*\x*paske gwo grangou a te nan peyi Canaan an tou. \p \v 6 Alò, \x + \xo 42:6 \xo*\xt Jen 41:41-55\xt*\x*Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin \x + \xo 42:6 \xo*\xt És 60:14\xt*\x*bese ba devan li avèk figi yo atè. \v 7 Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te \x + \xo 42:7 \xo*\xt Jen 42:30\xt*\x*pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.” \p \v 8 Men Joseph te rekonèt frè l yo, malgre yo pa t rekonèt li.\x + \xo 42:8 \xo*\xt Jen 37:2\xt*\x* \v 9 Joseph te \x + \xo 42:9 \xo*\xt Jen 37:6-9\xt*\x*sonje rèv ke li te gen sou yo a, e li te di yo: “Se espyon nou ye! Nou te vin chache konnen pwen fèb nan defans peyi nou an.” \p \v 10 Alò, yo te di li: “Non, \x + \xo 42:10 \xo*\xt Jen 37:8\xt*\x*mèt mwen, men sèvitè ou yo te vin achte manje.” \v 11 “Nou tout se fis a yon sèl mesye. Nou se \x + \xo 42:11 \xo*\xt Jen 42:16-34 \xt*\x*moun onèt, sèvitè ou, e nou pa espyon.” \p \v 12 Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.” \p \v 13 Men yo te reponn li: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e \x + \xo 42:13 \xo*\xt Jen 37:33\xt*\x*youn pa la ankò.” \p \v 14 Joseph te di yo: “Se tankou mwen te di nou, se espyon nou ye. \v 15 Men se konsa nou va pase a leprèv. \x + \xo 42:15 \xo*\xt I Sam 17:55\xt*\x*Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la! \v 16 Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen \x + \xo 42:16 \xo*\xt Jen 42:11\xt*\x*verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.” \v 17 Konsa, li te mete yo nan \x + \xo 42:17 \xo*\xt Jen 40:4-7 \xt*\x*prizon pou twa jou. \p \v 18 Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske \x + \xo 42:18 \xo*\xt Jen 39:9\xt*\x*mwen krent Bondye: \v 19 Si nou se moun onèt, kite youn nan frè nou yo rete anprizone nan prizon nou an; men pou nou lòt yo, ale pote sereyal pou grangou ki lakay nou yo. \v 20 Men \x + \xo 42:20 \xo*\xt Jen 42:34\xt*\x*mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè. \p \v 21 Yo te di youn a lòt: “\x + \xo 42:21 \xo*\xt Jen 37:26-28\xt*\x*Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande. Pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.” \p \v 22 Reuben te reponn yo, e te di: “Èske mwen pa t di nou: ‘Pa peche kont tigason an;’ men nou te refize tande? Konsa, fwi san li an vin parèt.” \x + \xo 42:22 \xo*\xt Jen 37:21,22\xt*\x* \v 23 Men yo pa t konnen ke Joseph te konprann, paske te gen yon entèprèt antre yo. \v 24 Konsa, li te vire lwen yo e li te \x + \xo 42:24 \xo*\xt Jen 43:30 \xt*\x*kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo. \p \v 25 \x + \xo 42:25 \xo*\xt Wo 12:17-21 \xt*\x*Konsa, Joseph te bay lòd pou plen sak yo avèk sereyal, remèt lajan a chak moun nan sak li, e bay yo pwovizyon pou vwayaj la. Epi se konsa sa te fèt pou yo. \v 26 Alò, yo te chaje bourik pa yo avèk sereyal yo, e yo te soti la. \p \v 27 Pandan youn nan yo t ap ouvri sak li pou bay bèt la manje, li te wè \x + \xo 42:27 \xo*\xt Jen 43:21-22 \xt*\x*lajan pa li a. Gade byen, se la li te ye, nan bouch sak la. \v 28 Epi li te di a frè l yo: “Lajan mwen an remèt wi! E gade byen, li la menm nan sak mwen an!” Konsa kè yo plonje desann. Yo te vire, tou ap tranble, youn ak lòt, e te di: “Kisa Bondye gen tan fè nou la a?” \p \v 29 Lè yo te rive kote papa yo Jacob, nan peyi Canaan an, yo te di li tout sa ki te rive yo. Konsa yo te di: \v 30 “Mesye a, mèt peyi a, te \x + \xo 42:30 \xo*\xt Jen 42:7\xt*\x*pale byen di avèk nou. Li te panse nou te espyon nan peyi a. \v 31 Men nou te di li: ‘Nou se \x + \xo 42:31 \xo*\xt Jen 42:11\xt*\x*moun onèt. Se pa espyon nou ye. \v 32 Nou se douz frè, fis a papa nou. Youn nan nou pa viv ankò, e pi jenn nan avèk papa nou jodi a nan peyi Canaan.’ \p \v 33 “Epi nonm nan, mèt peyi a, te di nou: \x + \xo 42:33 \xo*\xt Jen 42:19-20\xt*\x*‘Pa sa mwen va konnen ke nou se moun onèt: kite youn nan frè nou yo avè m, pran sereyal la pou pwoblèm grangou lakay nou yo, e ale. \v 34 Men mennen pi jenn frè ou a kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men ke nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè ou a, e w ap kapab \x + \xo 42:34 \xo*\xt Jen 34:10\xt*\x*fè komès nan peyi a.’” \p \v 35 Alò, li te rive ke lè yo t ap vide sak yo, ke gade byen, \x + \xo 42:35 \xo*\xt Jen 43:12-21 \xt*\x*bous lajan chak moun te nan sak li. Lè yo menm avèk papa yo te wè lajan an, yo te sezi. \v 36 Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin \x + \xo 42:36 \xo*\xt Jen 43:14\xt*\x*fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.” \p \v 37 Alò, Reuben te pale avèk papa l. Li te di: “Ou kapab mete de gason mwen yo a lanmò si mwen pa mennen li retounen kote ou. Mete li sou kont mwen, e mwen va fè l retounen kote ou.” \p \v 38 Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske \x + \xo 42:38 \xo*\xt Jen 37:33-34\xt*\x*frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.” \c 43 \p \v 1 \x + \xo 43:1 \xo*\xt Jen 12:10\xt*\x*Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a. \v 2 Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.” \p \v 3 Men Juda te pale avèk li. Li te di: “\x + \xo 43:3 \xo*\xt Jen 43:5\xt*\x*Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’ \v 4 Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje. \v 5 Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’” \p \v 6 Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?” \p \v 7 Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘\x + \xo 43:7 \xo*\xt Jen 42:13\xt*\x*Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’” \p \v 8 Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen. Nou va leve ale, pou nou kapab viv e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo. \v 9 \x + \xo 43:9 \xo*\xt Jen 42:37\xt*\x*Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan. \v 10 Paske si nou pa t mize, asireman kounye a nou ta gen tan retounen de fwa deja.” \p \v 11 Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti \x + \xo 43:11 \xo*\xt Jen 37:25\xt*\x* lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann. \v 12 Pran doub lajan nan men nou, e anplis, pran pou remèt nan men nou \x + \xo 43:12 \xo*\xt Jen 42:25-35 \xt*\x*kòb ki te retounen nan bouch sak la. Petèt se te yon erè. \v 13 Pran frè nou an tou, e leve retounen vè mesye a. \v 14 Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou \x + \xo 43:14 \xo*\xt Jen 42:24\xt*\x*lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, \x + \xo 43:14 \xo*\xt Jen 42:36\xt*\x*si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.” \p \v 15 Alò, mesye yo te pran \x + \xo 43:15 \xo*\xt Jen 43:11\xt*\x*kado sila yo, e yo te pran doub lajan nan men yo avèk Benjamin. Konsa, yo te leve desann an Égypte, e yo te kanpe devan Joseph. \v 16 Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a \x + \xo 43:16 \xo*\xt Jen 44:1\xt*\x*chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.” \p \v 17 Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph. \v 18 Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph. Konsa, yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.” \p \v 19 Pou sa a, yo te vin pwoche chèf domestik la. Yo te pale ak li nan antre kay la, \v 20 e yo te di: “O mèt mwen, vrèman nou te desann premye fwa a pou achte manje, \v 21 men sa te fè ke lè nou rive nan lojman nou, pou louvri sak nou, konsa, nou jwenn \x + \xo 43:21 \xo*\xt Jen 42:27-35 \xt*\x*kòb chak moun nan bouch sak li! Tout kòb nou nèt! Konsa, nou te retounen pote li nan men nou. \v 22 Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje. Nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.” \p \v 23 Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi \x + \xo 43:23 \xo*\xt Jen 42:24\xt*\x*li te mennen Siméon deyò bay yo. \p \v 24 Epi nonm nan te mennen mesye yo antre lakay Joseph. Li te \x + \xo 43:24 \xo*\xt Jen 18:4\xt*\x*bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo. Li te bay bourik yo manje. \v 25 Konsa, yo te prepare \x + \xo 43:25 \xo*\xt Jen 43:11-15 \xt*\x*kado yo pou lè Joseph ta vin parèt a midi, paske yo te tande ke yo te gen pou manje la. \p \v 26 Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te \x + \xo 43:26 \xo*\xt Jen 37:7-10 \xt*\x*bese atè devan li. \v 27 Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “\x + \xo 43:27 \xo*\xt Jen 43:7\xt*\x*Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?” \p \v 28 Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” \x + \xo 43:28 \xo*\xt Jen 37:7-10\xt*\x*Yo te bese ba pou bay respè. \p \v 29 Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki \x + \xo 43:29 \xo*\xt Jen 42:13 \xt*\x*pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Konsa, li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.” \v 30 Konsa, Joseph te fè vit ale deyò, paske \x + \xo 43:30 \xo*\xt I Wa 3:26\xt*\x*li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye. Li te antre nan chanm li an, e li te kriye la. \p \v 31 Alò, li te lave figi li, e li te vin parèt deyò. Li te \x + \xo 43:31 \xo*\xt Jen 45:1\xt*\x*kontwole tèt li, e te di: “Sèvi manje a.” \p \v 32 Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo. \x + \xo 43:32 \xo*\xt Jen 46:34\xt*\x* \p \v 33 Alò, yo te chita devan li, \x + \xo 43:33 \xo*\xt Jen 42:7\xt*\x*premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone. \v 34 Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, \x + \xo 43:34 \xo*\xt Jen 25:34\xt*\x*men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li. \c 44 \p \v 1 \x + \xo 44:1 \xo*\xt Jen 42:25\xt*\x*Alò, li te pase lòd a chèf domestik la e te di: “Ranpli sak yo avèk manje, tout sa ke yo kapab pote, e mete kòb a chak moun nan bouch sak li. \v 2 Plase tas mwen an, tas fèt an ajan an nan bouch sak pi jenn nan, ansanm ak kòb li pou sereyal la.” Epi sa te fèt jan Joseph te mande a. \p \v 3 Depi li te fè klè, mesye yo te voye ale, yo menm avèk bourik yo. \v 4 Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen? \v 5 Èske tas sa a se pa sila ke mèt mwen an bwè ladann, e sèvi pou \x + \xo 44:5 \xo*\xt Lev 19:26\xt*\x*divinasyon an? Nou te fè mal lè nou te fè sa.’” \p \v 6 Alò, li te rive sou yo, e li te pale pawòl sa ak yo. \v 7 Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa. \v 8 Gade byen, \x + \xo 44:8 \xo*\xt Jen 43:21\xt*\x*lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la? \v 9 \x + \xo 44:9 \xo*\xt Jen 31:32\xt*\x*Avèk nenpòt kilès nan sèvitè nou yo ke nou ta twouve l, ke li mouri, e nou osi, nou va devni \x + \xo 44:9 \xo*\xt Jen 44:16\xt*\x*esklav a mèt nou.” \p \v 10 Alò, li te di: “Konsa kite sa fèt tankou pawòl ou; sila avèk kilès li twouve l la, li va devni esklav mwen, e tout rès nan nou va rete inosan.” \p \v 11 Alò, byen prese, chak moun te desann sak li atè, pou te ouvri sak li. \v 12 Li te fè ankèt, kòmanse avèk pi gran, fini avèk pi jenn nan, e \x + \xo 44:12 \xo*\xt Jen 44:2\xt*\x*tas la te twouve nan sak Benjamin an. \v 13 Konsa, yo te chire rad yo, e lè chak moun te fin chaje bèt li, yo te retounen \x + \xo 44:13 \xo*\xt Jen 44:4\xt*\x*nan vil la. \p \v 14 Lè Juda avèk frè li yo te vini lakay Joseph, li te toujou la, e \x + \xo 44:14 \xo*\xt Jen 37:7-10 \xt*\x*yo te tonbe atè devan li. \v 15 Joseph te di yo: “Ki zak sa ke nou te fè la a? Èske nou pa konnen ke yon nonm tankou mwen kapab vrèman pratike divinasyon?”\x + \xo 44:15 \xo*\xt Jen 44:5 \xt*\x* \p \v 16 Konsa, Juda te di: “Kisa nou kapab di a mèt nou? Kisa nou kapab pale? Kijan nou kapab jistifye pwòp tèt nou? Bondye te twouve inikite nan sèvitè ou yo. Gade byen, nou se esklav a mèt nou, ni nou, men osi sila ki te posede tas nou te twouve a.” \p \v 17 Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.” \p \v 18 Alò, Juda te pwoche li. Li te di: “O mèt mwen, silvouplè, èske sèvitè ou kapab pale yon mo nan zòrèy a mèt la, e li p ap vin fache avèk sèvitè ou a; paske \x + \xo 44:18 \xo*\xt Jen 37:7-8 \xt*\x*ou menm jan avèk Farawon. \v 19 \x + \xo 44:19 \xo*\xt Jen 43:7\xt*\x*Mèt mwen an te mande sèvitè li yo, e te di: ‘Èske nou genyen yon papa, oswa yon frè?’ \v 20 Nou te di a mèt mwen: ‘Nou gen yon papa ki granmoun, ak yon \x + \xo 44:20 \xo*\xt Jen 37:3\xt*\x*timoun li te fè nan vyeyès li. Alò, \x + \xo 44:20 \xo*\xt Jen 37:33\xt*\x*frè li a gen tan mouri, li sèl ki rete kòm pitit a manman l, e papa li renmen li.’ \p \v 21 “Konsa, ou te di sèvitè ou yo: \x + \xo 44:21 \xo*\xt Jen 45:15-20 \xt*\x*‘Mennen fè l desann pou m kapab fikse zye m sou li.’ \p \v 22 “Men nou te di a mèt nou: ‘Jènjan an pa kapab kite papa l; papa l ta mouri.’ \p \v 23 “Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: \x + \xo 44:23 \xo*\xt Jen 43:3-5 \xt*\x*‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’ \p \v 24 “Se te konsa li te rive ke lè nou te monte vè sèvitè ou, papa m, ke nou te pale li pawòl a mèt nou an. \v 25 \x + \xo 44:25 \xo*\xt Jen 43:2\xt*\x*Papa nou te di nou: ‘Retounen achte yon ti manje.’ \v 26 Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’ \p \v 27 “Sèvitè ou, papa m, te di nou: ‘Ou konnen ke \x + \xo 44:27 \xo*\xt Jen 46:19\xt*\x*madanm mwen te fè de fis pou mwen. \v 28 Youn nan yo te sòti kite mwen, e mwen te di: “Asireman li te chire an mòso”, e mwen pa wè li depi lè sa.\x + \xo 44:28 \xo*\xt Jen 37:31-35 \xt*\x* \v 29 Si ou pran sila a osi de mwen, e si malè rive li, nou va \x + \xo 44:29 \xo*\xt Jen 42:38\xt*\x*mennen cheve tèt blanch sa a anba nan sejou mò yo avèk tristès.’ \p \v 30 “Alò, pou sa, lè mwen rive vè sèvitè ou, papa m, e pou jènjan an pa la avèk nou, paske \x + \xo 44:30 \xo*\xt I Sam 18:1\xt*\x*lavi li mare ansanm avèk lavi jènjan an, \v 31 lè li wè ke jènjan an pa avèk nou, l ap mouri. Konsa sèvitè ou yo va \x + \xo 44:31 \xo*\xt Jen 44:29\xt*\x*mennen cheve blanch a sèvitè ou, papa nou anba nan sejou mò yo avèk tristès. \v 32 Paske sèvitè ou te \x + \xo 44:32 \xo*\xt Jen 43:9\xt*\x*devni yon sekirite pou jènjan a papa m nan, e mwen te di: ‘Si mwen pa fè l retounen a ou menm, alò, kite m pote koupabilite sa a devan papa m pou tout tan.’ \p \v 33 “Alò, pou sa, kite sèvitè ou a rete, olye ke jènjan an, kòm yon esklav a mèt mwen. E kite jènjan an monte avèk frè li yo. \v 34 Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.” \c 45 \p \v 1 Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li \x + \xo 45:1 \xo*\xt Trav 7:13 \xt*\x*lè Joseph te revele li menm a frè l yo. \v 2 \x + \xo 45:2 \xo*\xt Jen 45:14,15\xt*\x*Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l. \p \v 3 Alò, Joseph te di a frè li yo: \x + \xo 45:3 \xo*\xt Trav 7:13 \xt*\x*“Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li. \p \v 4 Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la.\x + \xo 45:4 \xo*\xt Jen 37:28 \xt*\x* \v 5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske \x + \xo 45:5 \xo*\xt Jen 45:7-8 \xt*\x*Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. \v 6 Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou \x + \xo 45:6 \xo*\xt Jen 37:2\xt*\x*dezane sa yo, e gen senk an toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. \v 7 \x + \xo 45:7 \xo*\xt Jen 45:5\xt*\x*Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans. \p \v 8 “Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon \x + \xo 45:8 \xo*\xt Jij 17:10\xt*\x*papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la. \p \v 9 “Fè vit, monte vè papa m pou \x + \xo 45:9 \xo*\xt Trav 7:14 \xt*\x*di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.” \v 10 Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’” \x + \xo 45:10 \xo*\xt Jen 46:28,34 \xt*\x* \v 11 La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri. \p \v 12 Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou. \v 13 Koulye a nou gen pou di papa m tout richès mwen gen an Égypte, ak tout sa nou te wè. Nou gen pou prese \x + \xo 45:13 \xo*\xt Trav 7:14 \xt*\x*mennen papa m desann isit la.” \p \v 14 Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li.\x + \xo 45:14 \xo*\xt Jen 45:2 \xt*\x* \v 15 Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li. \p \v 16 Alò, lè \x + \xo 45:16 \xo*\xt Trav 7:13 \xt*\x*nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo. \v 17 Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo, ‘Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan. \v 18 Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, \x + \xo 45:18 \xo*\xt Jen 27:28\xt*\x*mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’” \p \v 19 “Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran \x + \xo 45:19 \xo*\xt Jen 45:21-27 \xt*\x*cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini. \v 20 Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’” \p \v 21 Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo \x + \xo 45:21 \xo*\xt Jen 45:19\xt*\x*cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la. \v 22 A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak \x + \xo 45:22 \xo*\xt II Wa 5:5; Jen 43:34\xt*\x*senk echanj abiman. \v 23 A papa li, li te voye kòm swivan: dis bourik chaje avèk pi bon bagay Égypte kab pwodwi, dis bourik femèl chaje avèk sereyal ak pen, ak nouriti pou papa l nan vwayaj la. \v 24 Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.” \p \v 25 Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob. \p \v 26 Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. \x + \xo 45:26 \xo*\xt Jen 37:31-35\xt*\x*Li pa t kwè yo. \v 27 Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè \x + \xo 45:27 \xo*\xt Jen 45:19\xt*\x*cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte. \p \v 28 Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.” \c 46 \p \v 1 Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini \x + \xo 46:1 \xo*\xt Jen 21:31\xt*\x*Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac. \p \v 2 Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: \x + \xo 46:2 \xo*\xt Jen 22:11 \xt*\x*“Jacob, Jacob.” \p Jacob te reponn: “Men mwen isit la.” \p \v 3 Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va \x + \xo 46:3 \xo*\xt Egz 1:9\xt*\x*fè nou vin yon gran nasyon la. \v 4 \x + \xo 46:4 \xo*\xt Jen 28:15 \xt*\x*Mwen va desann avèk nou an Égypte. Mwen va anplis, an verite, fè nou monte ankò. Epi se men Joseph ki va fèmen zye ou.” \p \v 5 Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba. Fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, ak pitit pa yo, ak madanm yo nan \x + \xo 46:5 \xo*\xt Jen 45:21\xt*\x*cha ke Farawon te voye pou pote yo. \v 6 Yo te pran tout bèt yo avèk tout byen yo, ke yo te vin gen nan peyi Canaan an, e yo \x + \xo 46:6 \xo*\xt Det 26:5\xt*\x*te vini an Égypte, Jacob avèk tout desandan li yo, ansanm \v 7 avèk fis li yo, fis a fis li yo, fi li yo avèk fi a fis li yo, ak tout desandan li yo. Li te mennen tout desandan avèk li, ale an Égypte. \p \v 8 Alò, sa yo se \x + \xo 46:8 \xo*\xt Egz 1:1-4\xt*\x*non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la. \p \v 9 Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi. \p \v 10 \x + \xo 46:10 \xo*\xt Egz 6:15\xt*\x*Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin avèk Tsochar; e Saul, fis a yon fanm Kananeyen. \p \v 11 \x + \xo 46:11 \xo*\xt I Kwo 6:1\xt*\x*Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. \p \v 12 Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. \x + \xo 46:12 \xo*\xt Jen 38:3,4,5; I Kwo 2:5\xt*\x*Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul. \p \v 13 Fis a Issacar yo: Tholy, Puva, Job, ak Schimron. \p \v 14 Fis a Zabulon yo: Séred, Élon avèk Jahleel. \p \v 15 Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trant-twa. \p \v 16 \x + \xo 46:16 \xo*\xt Nonb 26:15-18 \xt*\x*Fis a Gad yo: Tsiphjon, Haggi, Schuni, Etsbon, Éri, Arodi avèk Areéli. \p \v 17 Fis Aser yo: Jimna, Jischva, Jischvi, ak Beria; e sè yo, Sérach. \p Epi fis Beria yo: Héber avèk Malkiel. \v 18 Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo. \p \v 19 Fis a Rachel yo, madanm a Jacob la: Joseph avèk Benjamin. \p \v 20 Alò, a \x + \xo 46:20 \xo*\xt Jen 41:50-52\xt*\x*Joseph nan peyi Égypte la, te ne Manassé ak Éphraïm, ke Asenath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li. \p \v 21 \x + \xo 46:21 \xo*\xt I Kwo 7:6\xt*\x*Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard. \p \v 22 Sila yo se fis a Rachel yo, ki te fèt a Jacob; te gen katòz moun antou. \p \v 23 Fis a Dan yo: Huschim. \p \v 24 Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem. \p \v 25 Sila yo se \x + \xo 46:25 \xo*\xt Jen 30:5-7\xt*\x*fis a Bilha yo, ke \x + \xo 46:25 \xo*\xt Jen 29:29\xt*\x*Laban te bay a fi li, Rachel, e li te fè sa yo pou Jacob; te gen sèt moun antou. \p \v 26 \x + \xo 46:26 \xo*\xt Egz 1:5\xt*\x*Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasant sis moun antou. \p \v 27 Fis a Joseph ki te fèt pou li an Égypte yo te de. \x + \xo 46:27 \xo*\xt Det 10:22\xt*\x*Tout moun lakay Jacob ki te vini an Égypte yo te swasann-dis. \p \v 28 Alò, li te voye Juda devan li vè Joseph, pou montre li chemen an devan l nan \x + \xo 46:28 \xo*\xt Jen 45:10\xt*\x*Gosen, epi yo te vini nan peyi Gosen. \v 29 Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li \x + \xo 46:29 \xo*\xt Jen 45:14-15\xt*\x*te kriye nan kou li pandan anpil tan. \p \v 30 Konsa Israël te di a Joseph: “Koulye a kite mwen mouri, paske mwen gen tan wè figi ou, ke ou toujou vivan.” \p \v 31 Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: \x + \xo 46:31 \xo*\xt Jen 47:1\xt*\x*“Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: ‘Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen. \v 32 Mesye sa yo se bèje, paske yo te konn okipe bèt. E yo te mennen bann mouton pa yo avèk twoupo pa yo, ak tout sa yo posede.’ \p \v 33 “Lè Farawon rele nou e di: \x + \xo 46:33 \xo*\xt Jen 47:2-3\xt*\x*‘Kisa nou fè kòm metye.’ \v 34 Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.” \x + \xo 46:34 \xo*\xt Jen 13:7-8; Jen 45:10-18\xt*\x* \c 47 \p \v 1 Konsa, \x + \xo 47:1 \xo*\xt Jen 46:31\xt*\x*Joseph te antre pou pale ak Farawon. Li te di: “Papa m avèk frè m yo, bann mouton yo, twoupo yo, avèk tout sa yo posede, te sòti nan peyi Canaan an. Epi gade byen, yo nan peyi \x + \xo 47:1 \xo*\xt Jen 45:10\xt*\x*Gosen.” \v 2 Li te pran senk mesye pami frè li yo, e li te \x + \xo 47:2 \xo*\xt Trav 7:13 \xt*\x*prezante yo bay Farawon. \p \v 3 Alò, Farawon te di a frè li yo: \x + \xo 47:3 \xo*\xt Jen 46:33 \xt*\x*“Ki metye nou?” \p Epi yo te di a Farawon: “Sèvitè nou se bèje, ni nou menm, ni zansèt nou yo.” \v 4 Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.”\x + \xo 47:4 \xo*\xt Jen 43:1 \xt*\x* \p \v 5 Konsa, Farawon te di a Joseph: “Papa ou avèk frè ou yo te vin kote ou. \v 6 Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan \x + \xo 47:6 \xo*\xt Jen 45:10-18 \xt*\x*pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an. Epi si ou konnen moun ak kapasite pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.” \p \v 7 Epi Joseph te mennen papa li, Jacob. Li te prezante li bay Farawon, epi Jacob te \x + \xo 47:7 \xo*\xt II Sam 14:22\xt*\x*beni Farawon. \v 8 Farawon te di a Jacob: “Konbyen ane ou gen tan viv?” \p \v 9 Konsa, Jacob te di a Farawon: “Lane lavi m yo sou latè se san-trant. Pa anpil, e degoutan se te ane lavi m yo. Ni yo pa menm fòs avèk \x + \xo 47:9 \xo*\xt Jen 25:7\xt*\x*lane ke zansèt mwen yo te viv pandan jou lavi pa yo.” \v 10 Konsa, Jacob te \x + \xo 47:10 \xo*\xt Jen 47:7\xt*\x*beni Farawon, e li te sòti nan prezans li. \p \v 11 Epi Joseph te pozisyone papa li, ak frè li yo e li te bay yo yon teren an Égypte, nan pi bon pati nan peyi a, kote \x + \xo 47:11 \xo*\xt Egz 1:11\xt*\x*Ramsès la, tankou Farawon te kòmande a. \v 12 Joseph te \x + \xo 47:12 \xo*\xt Jen 45:11\xt*\x*founi papa li ak frè li yo, avèk tout lakay li avèk manje, selon fòs kantite pitit pa yo. \v 13 Koulye a, pa t gen manje nan tout peyi a, akoz gwo grangou a te tèlman rèd, ke \x + \xo 47:13 \xo*\xt Jen 41:30\xt*\x*peyi Égypte la ak peyi Canaan an te febli nèt akoz gwo grangou a. \p \v 14 \x + \xo 47:14 \xo*\xt Jen 41:56\xt*\x*Joseph te ranmase tout lajan ki te twouve nan peyi Égypte la, ak nan peyi Canaan pou sereyal ke yo te achte a, e Joseph te pote lajan an lakay Farawon. \v 15 Lè tout lajan an te fin depanse nan tout peyi Égypte la, ak tout peyi Canaan an, tout Ejipsyen yo te vin vè Joseph, e te di li: “Bannou manje, paske \x + \xo 47:15 \xo*\xt Jen 47:19\xt*\x*pou ki rezon nou ta dwe mouri nan prezans ou? Paske lajan nou fini.” \p \v 16 Alò, Joseph te di: “Bay bèt nou yo, e mwen va bannou manje pou bèt yo, paske kòb nou gen tan fini.” \v 17 Epi yo te mennen bèt yo kote Joseph, Joseph te bay yo manje an echanj ak cheval ak bann mouton, twoupo ak bourik. Konsa, li te bay yo manje an echanj ak tout bèt pa yo nan ane sa a. \p \v 18 Lè ane sa a te fini, yo te vin kote li nan lane pwochèn, e te di li: “Nou p ap kache a mèt nou ke lajan nou fin depanse, e tout twoupo bèt yo se pou mèt nou. Nanpwen anyen ki rete pou mèt la, sof ke kò nou, ak tè nou yo. \v 19 Poukisa nou ta mouri devan zye ou, ni nou menm, ni tè nou yo? Achte nou menm avèk tè nou yo, e nou va vin esklav a Farawon. Epi bannou semans pou nou ka viv, pou nou pa mouri, e pou tè a pa rete vid.” \v 20 Alò, Joseph te achte tout tè an Égypte yo pou Farawon, e chak Ejipsyen te vann tè li, akoz ke gwo grangou a te rèd sou yo. Konsa, tè a te vin pou Farawon. \v 21 Epi pou pèp la, li te deplase yo pou antre nan vil yo, sòti nan yon pwen fwontyè Égypte la, jis rive nan lòt la. \v 22 Se sèl tè prèt yo ke li pa t achte, paske prèt yo te gen yon bous ki te sòti sou Farawon, e yo te viv sou bous ke Farawon te bay yo a. Akoz sa, yo pa t vann tè pa yo a. \p \v 23 Epi Joseph te di a pèp la: “Veye byen, jodi a mwen te achte nou menm avèk tè nou yo pou Farawon. Men semans lan se pou nou, e nou kapab simen nan tè a. \v 24 Nan rekòlt la, nou va bay yon \x + \xo 47:24 \xo*\xt Jen 31:24\xt*\x*senkyèm a Farawon, e kat senkyèm nan ap rete pou nou pou simen nan tè a pou manje pou nou menm avèk sa ki lakay nou yo, ak pou pitit nou yo.” \p \v 25 Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.” \p \v 26 Joseph te fè yon règleman selon peyi Égypte la ki valab jis rive jou sa a ke Farawon te gen dwa a yon senkyèm nan. \x + \xo 47:26 \xo*\xt Jen 47:22\xt*\x*Sèl tè a prèt yo ki pa t vin pou Farawon. \p \v 27 Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen. Yo te gen tèren ladann, yo \x + \xo 47:27 \xo*\xt Det 26:5\xt*\x*te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil. \p \v 28 Jacob te viv nan peyi Égypte pandan \x + \xo 47:28 \xo*\xt Jen 47:9\xt*\x*disèt ane'. Pou sa, fòs lavi li te san-karant-sèt ane. \v 29 Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a \x + \xo 47:29 \xo*\xt Jen 24:2\xt*\x*plase men ou anba fant janm mwen, e \x + \xo 47:29 \xo*\xt Jen 24:49\xt*\x*aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte, \v 30 men lè m kouche avèk zansèt mwen yo, nou va pote mwen deyò de Égypte, pou antere mwen nan \x + \xo 47:30 \xo*\xt Jen 23:17-20 \xt*\x*plas antèman a yo menm nan.” \p Epi Joseph te di: “M ap fè jan ou di m nan.” \p \v 31 Konsa, li te di: “Sèmante ban mwen.” Epi li te sèmante ba li. Epi \x + \xo 47:31 \xo*\xt I Wa 1:47\xt*\x*Israël te bese pou adore nan tèt kabann nan. \c 48 \p \v 1 Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Li te pran de fis li yo, \x + \xo 48:1 \xo*\xt Jen 41:51-52 \xt*\x*Manassé ak Éphraïm avèk li. \v 2 Epi moun yo te pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou.” Konsa, Israël te ranmase fòs li. Li te chita sou kabann nan. \p \v 3 Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan \x + \xo 48:3 \xo*\xt Jen 28:19\xt*\x*Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen. \v 4 Li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi, e miltipliye anpil. Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm \x + \xo 48:4 \xo*\xt Jen 17:8\xt*\x*posesyon k ap dire pou tout tan.’ \p \v 5 “Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m. \x + \xo 48:5 \xo*\xt Jen 41:50-52\xt*\x*Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke \x + \xo 48:5 \xo*\xt I Kwo 5:1-2\xt*\x*Ruben avèk Siméon va pou mwen. \v 6 Men pitit ou yo ki te fèt apre yo, va pou ou. Yo va rele selon non frè pa yo nan eritaj yo. \v 7 Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, \x + \xo 48:7 \xo*\xt Jen 35:19\xt*\x*Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).” \p \v 8 Lè Israël \x + \xo 48:8 \xo*\xt Jen 48:10\xt*\x*te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?” \p \v 9 Joseph te di a papa li: “\x + \xo 48:9 \xo*\xt Jen 33:5\xt*\x*Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo isit souple, pou m kapab beni yo.” \v 10 Alò, \x + \xo 48:10 \xo*\xt Jen 27:1 \xt*\x*zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te \x + \xo 48:10 \xo*\xt Jen 27:27 \xt*\x*bo yo e li te anbrase yo. \p \v 11 Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.” \p \v 12 Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te \x + \xo 48:12 \xo*\xt Jen 42:6\xt*\x*bese ba avèk figi li jis atè. \v 13 Joseph te pran yo toude, Ephraïm nan men dwat li vè bò goch Israël, e nan men goch li, Manassé vè bò dwat Israël. Konsa, li te mennen yo toupre li. \v 14 Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan \x + \xo 48:14 \xo*\xt Jen 41:51-52 \xt*\x*Manassé te premye ne. \p \v 15 Li te beni Joseph, e te di: \q1 “Bondye devan sila zansèt mwen yo, \q1 Abraham avèk Isaac te mache a, \q1 \x + \xo 48:15 \xo*\xt Jen 49:24\xt*\x*Bondye ki te bèje m nan \q1 pandan tout vi m jis rive jounen jodi a, \q1 \v 16 \x + \xo 48:16 \xo*\xt Jen 22:11-18 \xt*\x*zanj ki te rachte mwen de tout mal la, \q1 beni jènjan sa yo; \q1 epi ke non mwen kapab viv toujou \q1 nan yo, e non a zansèt mwen yo, \q1 Abraham avèk Isaac. \q1 Ke yo kapab grandi vin fè yon \q1 gwo pèp nan mitan mond lan.” \p \v 17 Lè Joseph te vin wè ke papa li te \x + \xo 48:17 \xo*\xt Jen 48:14\xt*\x*poze men dwat li sou tèt Éphraïm, sa te fè l pa kontan. Li te sezi men papa li pou deplase li sou Éphraïm, ale vè tèt Manassé. \v 18 Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.” \p \v 19 Men papa li te refize. Li te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen. Li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e \x + \xo 48:19 \xo*\xt Jen 28:14\xt*\x*desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.” \p \v 20 Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’” \p \v 21 Konsa, Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va \x + \xo 48:21 \xo*\xt Jen 28:15\xt*\x*mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo. \v 22 Mwen bay ou yon pòsyon anplis ke frè ou yo, ke m te pran nan men Amoreyen yo avèk nepe mwen ak banza mwen.”\x + \xo 48:22 \xo*\xt Jos 24:32 \xt*\x* \c 49 \p \v 1 Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou \x + \xo 49:1 \xo*\xt Nonb 24:14 \xt*\x*nan jou k ap vini yo. \q1 \v 2 Rasanble nou ansanm e \x + \xo 49:2 \xo*\xt Sòm 34:11\xt*\x*tande, fis a Jacob yo. \q1 Koute Israël, papa nou. \q1 \v 3 Ruben, se ou ki premye ne mwen an; \q1 pouvwa mwen, \x + \xo 49:3 \xo*\xt Det 21:17\xt*\x*kòmansman nan gwo fòs mwen, \q1 premye nan respè e premye nan fòs. \q1 \v 4 San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye; \q1 akoz ke ou te \x + \xo 49:4 \xo*\xt Jen 35:22\xt*\x*monte sou kabann papa ou, \q1 epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen. \q1 \v 5 \x + \xo 49:5 \xo*\xt Jen 34:25-30\xt*\x*Siméon avèk Lévi se frè yo ye. \q1 Nepe pa yo se zouti vyolans. \q1 \v 6 \x + \xo 49:6 \xo*\xt Sòm 64:2\xt*\x*Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo; \q1 pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo. \q1 Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun, \q1 e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf. \q1 \v 7 Modi se kòlè yo, paske li fewòs; \q1 epi vanjans yo, paske li te mechan. \q1 \x + \xo 49:7 \xo*\xt Jos 19:1-9 \xt*\x*Mwen va separe yo nan Jacob, \q1 e gaye yo nan Israël. \b \q1 \v 8 Juda, frè ou yo va ba ou lwanj; \q1 men ou ap sou kou lènmi ou yo. \q1 \x + \xo 49:8 \xo*\xt Jen 27:29\xt*\x*Fis a papa ou yo va vin bese ba devan ou. \q1 \v 9 Juda se \x + \xo 49:9 \xo*\xt Éz 19:5-7 \xt*\x*jèn pòtre a yon lyon; \q1 depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. \q1 Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, \q1 e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve? \q1 \v 10 \x + \xo 49:10 \xo*\xt Nonb 24:17\xt*\x*Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, \q1 ni bwa règleman p ap janm antre pye li \q1 jis lè Schilo vini, \q1 e \x + \xo 49:10 \xo*\xt Sòm 72:8-11\xt*\x*a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo. \q1 \v 11 Li mare jenn bourik li \q1 ak pi bèl pye rezen an. \q1 \x + \xo 49:11 \xo*\xt És 63:2\xt*\x*Li lave vètman li yo nan diven, \q1 ak manto li yo nan san rezen yo. \q1 \v 12 Zye li fonse wouj akoz diven an, \q1 e dan li blanchi nan lèt la. \q1 \v 13 \x + \xo 49:13 \xo*\xt Det 33:18-19 \xt*\x*Zabulon va demere bò lanmè; \q1 li va yon pwotèj pou gwo bato yo. \q1 Lizyè l va ak Sidon. \q1 \v 14 Issacar se yon bourik gwo fòs \q1 k ap \x + \xo 49:14 \xo*\xt Jij 5:16\xt*\x*kouche ba nan mitan makout bèt. \q1 \v 15 Lè li te wè ke plas repo sa a te dous, \q1 e tè a te fè l plezi, \q1 li te double zepòl li pou pote chaj yo, \q1 e li te devni yon esklav pou kòve. \q1 \v 16 \x + \xo 49:16 \xo*\xt Det 33:22 \xt*\x*Dan va jije pèp li kon youn nan tribi Israël yo. \q1 \v 17 Dan va yon sèpan ki nan wout, \q1 yon koulèv avèk kòn nan chemen \q1 k ap mòde talon cheval la, \q1 pou fè chevalye li tonbe an aryè. \q1 \v 18 \x + \xo 49:18 \xo*\xt Egz 15:2\xt*\x*Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ. \q1 \v 19 \x + \xo 49:19 \xo*\xt Det 33:20\xt*\x*Pou Gad, piyajè yo va piyaje li, \q1 men li va piyaje vè talon pa yo. \q1 \v 20 \x + \xo 49:20 \xo*\xt Det 33:24-25 \xt*\x*Pou Aser, manje li va rich, e li va pwodwi \q1 bagay ki delika e ki wayal. \q1 \v 21 \x + \xo 49:21 \xo*\xt Det 33:23\xt*\x*Nephthali se yon bich ki vin lage. \q1 Li donnen bèl pitit. \q1 \v 22 \x + \xo 49:22 \xo*\xt Det 33:13-17\xt*\x*Joseph se yon branch ki donnen fwi; \q1 yon branch avèk fwi toupre yon sous. \q1 Branch li yo kouri sou yon miray. \q1 \v 23 Achè yo te atake avèk rayisman, \q1 yo te tire sou li e yo te anmède li; \q1 \v 24 men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò; \q1 depi nan men Toupwisan Jacob la \q1 (depi la se \x + \xo 49:24 \xo*\xt Sòm 23:1\xt*\x*Bèje a, \x + \xo 49:24 \xo*\xt És 28:16\xt*\x*Wòch Israël la), \q1 \v 25 Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; \q1 Toupwisan an ki beni ou avèk \q1 \x + \xo 49:25 \xo*\xt Jen 27:28\xt*\x*benediksyon anwo nan syèl la, \q1 benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, \q1 e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a. \q1 \v 26 Benediksyon a papa ou yo gen tan \q1 fin depase sila a zansèt pa m yo jis rive \q1 nan limit \x + \xo 49:26 \xo*\xt Det 33:15-16\xt*\x*kolin ki dire pou tout tan yo. \q1 Yo va rete sou tèt a Joseph, \q1 sou kouwòn a tèt ki byen distenge pami frè li yo. \q1 \v 27 Benjamin se yon lou voras; \q1 nan maten li va devore sa ke li kenbe, \q1 e nan aswè, li va divize piyaj la.” \p \v 28 Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite. \p \v 29 Konsa, li te bay yo chaj, e li te di yo: “Mwen prèt pou ranmase vè moun mwen yo. \x + \xo 49:29 \xo*\xt Jen 47:30\xt*\x*Antere mwen avèk zansèt mwen yo nan kav ki nan \x + \xo 49:29 \xo*\xt Jen 23:16-20\xt*\x*chan Éphron a, Etyen an, \v 30 nan \x + \xo 49:30 \xo*\xt Jen 23:3-20\xt*\x*kav ki nan chan Macpéla a, ki avan Mamré nan peyi Canaan an, ke Abraham te achte ansanm avèk chan nan men Éphron, Etyen an pou yon plas antèman. \p \v 31 “La menm yo te antere \x + \xo 49:31 \xo*\xt Jen 25:9\xt*\x*Abraham avèk madanm li \x + \xo 49:31 \xo*\xt Jen 23:19\xt*\x*Sarah, la yo te antere Isaac avèk madanm li Rebecca, e se la mwen te antere Léa; \v 32 chan an avèk kav ki ladann nan, te achte nan men fis a Heth yo.” \p \v 33 Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te \x + \xo 49:33 \xo*\xt Trav 7:15\xt*\x* respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo. \c 50 \p \v 1 Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li. \v 2 Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te \x + \xo 50:2 \xo*\xt Mat 26:12 \xt*\x*anbome Israël. \v 3 Alò, karant jou te nesesè pou sa, paske se tan sa a li te pran pou anbome. Epi Ejipsyen yo te \x + \xo 50:3 \xo*\xt Nonb 20:29 \xt*\x*kriye pou li pandan swasanndi jou. \p \v 4 Lè jou doulè pou li yo te fin pase, Joseph te pale a lakay Farawon, e te di: “Si koulye a mwen jwenn favè nan zye nou, souple, pale avèk Farawon, e di: \v 5 \x + \xo 50:5 \xo*\xt Jen 47:29-31\xt*\x*Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri. Nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.” \p \v 6 Farawon te di: “Ale monte antere papa ou, jan li te fè ou sèmante a.” \p \v 7 Alò, Joseph te monte pou antere papa li, e avèk li te monte tout sèvitè a Farawon yo, ansyen lakay li yo, ak tout ansyen a peyi Égypte yo. \v 8 Tout lakay Joseph avèk frè li yo, ak lakay papa li te ale. Yo te kite sèlman timoun yo, bann mouton yo ak twoupo yo nan peyi Gosen an. \v 9 Osi te monte avèk li, cha yo avèk chevalye yo. Epi se te yon gran konpanyen. \p \v 10 Lè yo te vin nan glasi vannen kote Athad la, glasi ki lòtbò Jourdain an, yo te fè \x + \xo 50:10 \xo*\xt Trav 8:2 \xt*\x*anpil kriye avèk gwo lamantasyon byen tris. Li te obsève sèt jou lamantasyon pou papa li. \v 11 Alò, lè abitan nan peyi a, Kananeyen yo te wè lamantasyon sa a nan glasi vannen Athad la, yo te di: “Sa se yon lamantasyon trè di pou Ejipsyen yo.” Pou rezon sa a, yo te rele li Abel-Mitsraïm, ki vle di lòtbò Jourdain an. \p \v 12 Se konsa fis li yo te fè pou li jan li te kòmande yo a; \v 13 paske fis li yo te pote li nan peyi Canaan an. Yo te antere li nan \x + \xo 50:13 \xo*\xt Jen 23:16-20\xt*\x*kav kote chan a Macpéla a avan Mamré, ke Abraham te achte ansanm avèk chan an pou yon kote antèman nan men Éphron, Etyen an. \p \v 14 Apre li te antere papa li, Joseph te retounen an Égypte—li menm, frè li yo, ak tout moun ki te monte avèk li pou antere papa li yo. \p \v 15 Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: \x + \xo 50:15 \xo*\xt Jen 37:28\xt*\x*“Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou, e deside fè vanjans pou sa nou te fè l la?” \v 16 Epi yo te voye vè Joseph e te di: “Papa ou te pase lòd avan li te mouri. Li te di: \v 17 ‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li. \p \v 18 Frè li yo anplis, te vin \x + \xo 50:18 \xo*\xt Jen 37:8-10\xt*\x*tonbe ba devan li, e yo te di: “Gade byen, nou se sèvitè ou.” \p \v 19 Konsa, Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye? \v 20 Pou nou menm, \x + \xo 50:20 \xo*\xt Jen 37:26-27\xt*\x*nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun. \v 21 Pou sa, pa pè. \x + \xo 50:21 \xo*\xt Jen 45:11\xt*\x*Mwen va fè pwovizyon pou nou avèk pitit nou yo.” Li te rekonfòte yo e li te pale avèk tandrès avèk yo. \p \v 22 Alò, Joseph te rete an Égypte, li menm avèk lakay papa li, epi Joseph te viv pandan san-dis ane. \v 23 Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te \x + \xo 50:23 \xo*\xt Jen 30:3\xt*\x*fèt sou jenou a Joseph. \p \v 24 Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li \x + \xo 50:24 \xo*\xt Egz 3:16-17 \xt*\x*va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.” \v 25 Konsa, Joseph te fè fis Israël yo sèmante. Li te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e \x + \xo 50:25 \xo*\xt Egz 13:19\xt*\x*nou va pote zo mwen monte kite isit la.” \p \v 26 Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te \x + \xo 50:26 \xo*\xt Jen 50:2\xt*\x* anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.