\id GAL \ide UTF-8 \h Galat Yo \toc1 GALAT YO \toc2 Galat Yo \toc3 Gal \mt1 GALAT YO \c 1 \p \v 1 Mwen, Paul, yon apot \x + \xo 1:1 \xo*\xt Gal 1:11\xt*\x*ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò— \v 2 ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout \x + \xo 1:2 \xo*\xt Trav 16:6\xt*\x*legliz nan Galatie yo: \v 3 \x + \xo 1:3 \xo*\xt Wo 1:7\xt*\x*Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, \v 4 ki \x + \xo 1:4 \xo*\xt Gal 2:20\xt*\x*te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte \x + \xo 1:4 \xo*\xt Fil 4:20\xt*\x*Bondye ak Papa nou an. \v 5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen. \p \v 6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou \x + \xo 1:6 \xo*\xt II Kwo 11:4\xt*\x*yon lòt levanjil; \v 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap \x + \xo 1:7 \xo*\xt Trav 15:24\xt*\x*twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. \v 8 Men menmsi nou menm, oubyen \x + \xo 1:8 \xo*\xt II Kor 11:14\xt*\x*yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. \v 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si \x + \xo 1:9 \xo*\xt Wo 16:17\xt*\x*yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen. \p \v 10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon \x + \xo 1:10 \xo*\xt Wo 1:1\xt*\x*sèvitè a Kris la. \p \v 11 Paske \x + \xo 1:11 \xo*\xt Wo 2:16\xt*\x*mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. \v 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon \x + \xo 1:12 \xo*\xt I Kor 2:10\xt*\x*revelasyon a Jésus Kri. \v 13 Paske, nou konn tande listwa a \x + \xo 1:13 \xo*\xt Trav 26:4\xt*\x*fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. \v 14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou \x + \xo 1:14 \xo*\xt Mat 15:2\xt*\x*tradisyon zansèt mwen yo. \v 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e \x + \xo 1:15 \xo*\xt És 49:1,5\xt*\x*te rele mwen selon gras Li a, te kontan \v 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab \x + \xo 1:16 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. \v 17 \x + \xo 1:17 \xo*\xt Trav 9:19-22\xt*\x*Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas. \p \v 18 Answit \x + \xo 1:18 \xo*\xt Trav 9:22\xt*\x*twaz an pita, mwen te monte \x + \xo 1:18 \xo*\xt Trav 9:26\xt*\x*Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou. \v 19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte \x + \xo 1:19 \xo*\xt Mat 12:46\xt*\x*Jacques, frè a Senyè a. \v 20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans \x + \xo 1:20 \xo*\xt Wo 9:1\xt*\x*devan Bondye ke mwen p ap bay manti.) \v 21 Konsa \x + \xo 1:21 \xo*\xt Trav 9:30\xt*\x*mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie. \v 22 Mwen te toujou enkoni devan zye a \x + \xo 1:22 \xo*\xt I Tes 2:14\xt*\x*legliz Judée ki te an Kris yo, \v 23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te \x + \xo 1:23 \xo*\xt Trav 9:21\xt*\x*eseye detwi a.” \v 24 Konsa, yo \x + \xo 1:24 \xo*\xt Mat 9:8\xt*\x*t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm. \c 2 \p \v 1 Answit, apre yon espas katòz ane mwen \x + \xo 2:1 \xo*\xt Trav 15:2\xt*\x*te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi. \v 2 Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen \x + \xo 2:2 \xo*\xt I Kor 9:24\xt*\x*ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven. \v 3 Men pa menm \x + \xo 2:3 \xo*\xt II Kor 2:13\xt*\x*Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi. \v 4 Men se te akoz de \x + \xo 2:4 \xo*\xt Trav 15:1,24\xt*\x*fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj. \v 5 Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou \x + \xo 2:5 \xo*\xt Gal 1:6\xt*\x*verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout. \v 6 Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; \x + \xo 2:6 \xo*\xt Trav 10:34\xt*\x*Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen. \v 7 Men okontrè, yo te wè ke levanjil la te konfye a mwen menm \x + \xo 2:7 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo. \v 8 Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm \x + \xo 2:8 \xo*\xt Trav 1:25\xt*\x*apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo. \v 9 Konsa, ak rekonesans \x + \xo 2:9 \xo*\xt Wo 12:3\xt*\x*gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo. \v 10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo \x + \xo 2:10 \xo*\xt Trav 24:17\xt*\x*bagay ke mwen te vrèman vle fè. \p \v 11 Men lè \x + \xo 2:11 \xo*\xt Gal 1:18\xt*\x*Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. \v 12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn \x + \xo 2:12 \xo*\xt Trav 11:3\xt*\x*manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz \x + \xo 2:12 \xo*\xt Trav 11:2\xt*\x*lakrent pati sikonsizyon an. \v 13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm \x + \xo 2:13 \xo*\xt Trav 4:36\xt*\x*Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. \v 14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon \x + \xo 2:14 \xo*\xt Gal 2:5\xt*\x*verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif? \p \v 15 Nou menm ki se \x + \xo 2:15 \xo*\xt Fil 3:4\xt*\x*Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, \v 16 sepandan, nou konnen ke \x + \xo 2:16 \xo*\xt Trav 13:39\xt*\x*yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye. \v 17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm \x + \xo 2:17 \xo*\xt Gal 2:15\xt*\x*pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! \v 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen \x + \xo 2:18 \xo*\xt Wo 3:5\xt*\x*pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. \v 19 Paske selon Lalwa a \x + \xo 2:19 \xo*\xt Wo 6:2\xt*\x*mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. \v 20 Mwen te \x + \xo 2:20 \xo*\xt Wo 6:6\xt*\x*krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. \v 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske \x + \xo 2:21 \xo*\xt Gal 3:21\xt*\x*si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.” \c 3 \p \v 1 O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Kor 1:23\xt*\x*piblikman prezante kòm krisifye a? \v 2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa \x + \xo 3:2 \xo*\xt Wo 10:17\xt*\x*tande avèk lafwa? \v 3 Èske nou si tèlman ensanse? Èske nou te kòmanse avèk Lespri a, epi koulye a nou ap vin pafè pa lachè? \v 4 Èske nou te soufri tout bagay sa yo anven—\x + \xo 3:4 \xo*\xt I Kor 15:2\xt*\x*si vrèman se te anven? \v 5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa \x + \xo 3:5 \xo*\xt Wo 10:17\xt*\x*tande ak lafwa. \v 6 Malgre sa \x + \xo 3:6 \xo*\xt Jen 15:6\xt*\x*“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou Li kòm ladwati.” \v 7 Konsa, se pou nou asire ke \x + \xo 3:7 \xo*\xt Wo 4:16\xt*\x*se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham. \v 8 Lekriti sen an, ki te prevwa ke Bondye ta jistifye pèp etranje yo pa lafwa, te preche levanjil la davans a Abraham. Konsa, li te di: \x + \xo 3:8 \xo*\xt Jen 12:3\xt*\x*“Tout nasyon yo va beni nan ou”. \v 9 Alò \x + \xo 3:9 \xo*\xt Gal 3:7\xt*\x*sila ki nan lafwa yo, beni pa Abraham, kwayan an. \p \v 10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: \x + \xo 3:10 \xo*\xt Det 27:26\xt*\x*“Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.” \v 11 Alò, li klè ke \x + \xo 3:11 \xo*\xt Gal 2:16\xt*\x*pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske \x + \xo 3:11 \xo*\xt Hab 2:4\xt*\x*“Moun jis la va viv pa lafwa”. \v 12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: \x + \xo 3:12 \xo*\xt Lev 18:5\xt*\x*“Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.” \p \v 13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: \x + \xo 3:13 \xo*\xt Det 21:23\xt*\x*“Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.” \v 14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou \x + \xo 3:14 \xo*\xt Gal 3:2\xt*\x*ta kapab resevwa \x + \xo 3:14 \xo*\xt Trav 2:33\xt*\x*pwomès a Lespri Sen an pa lafwa. \p \v 15 Frè m yo \x + \xo 3:15 \xo*\xt Wo 3:5\xt*\x*mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann. \v 16 Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: \x + \xo 3:16 \xo*\xt Trav 3:25\xt*\x*“E a posterite ou”, sa se Kris. \v 17 Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini \x + \xo 3:17 \xo*\xt Jen 15:13\xt*\x*kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la. \v 18 Paske \x + \xo 3:18 \xo*\xt Wo 4:14\xt*\x*si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès. \p \v 19 \x + \xo 3:19 \xo*\xt Wo 5:20\xt*\x*Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la. \v 20 Alò \x + \xo 3:20 \xo*\xt I Tim 2:5\xt*\x*yon medyatè pa pou yon sèl pati, tandiske Bondye se yon sèl. \p \v 21 Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. \x + \xo 3:21 \xo*\xt Luc 20:16\xt*\x*Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa. \v 22 Men Lekriti sen an \x + \xo 3:22 \xo*\xt Wo 11:32\xt*\x*anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo. \p \v 23 Men avan lafwa te vini, nou te kenbe kòm yon depandan anba Lalwa, sans akse a lafwa ki t ap vin revele pita. \v 24 Konsa, Lalwa te devni pwofesè lekòl nou, pou mennen nou a Kris, \x + \xo 3:24 \xo*\xt Gal 2:16\xt*\x*pou nou ta kapab jistifye pa lafwa. \v 25 Men koulye a, ke lafwa rive, nou pa anba \x + \xo 3:25 \xo*\xt I Kor 4:15\xt*\x*yon pwofesè lekòl ankò. \v 26 Paske nou tout se \x + \xo 3:26 \xo*\xt Wo 8:14\xt*\x*fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. \v 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te \x + \xo 3:27 \xo*\xt Wo 13:14\xt*\x*abiye tèt nou avèk Kris. \v 28 \x + \xo 3:28 \xo*\xt Wo 3:22\xt*\x*Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. \v 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon \x + \xo 3:29 \xo*\xt Wo 9:8\xt*\x*pwomès la. \c 4 \p \v 1 Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, \v 2 men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a. \v 3 Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an \x + \xo 4:3 \xo*\xt Gal 2:4\xt*\x*esklavaj anba prensip \x + \xo 4:3 \xo*\xt Kol 2:8,20\xt*\x*de baz a mond lan. \v 4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a \x + \xo 4:4 \xo*\xt Mat 1:25\xt*\x*fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa \v 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm \x + \xo 4:5 \xo*\xt Wo 8:14\xt*\x*fis. \v 6 Akoz ke nou se fis, \x + \xo 4:6 \xo*\xt Trav 16:7\xt*\x*Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” \v 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi \x + \xo 4:7 \xo*\xt Wo 8:17\xt*\x*si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye. \p \v 8 Sepandan, nan \x + \xo 4:8 \xo*\xt I Kor 1:21\xt*\x*lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm. \v 9 Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di \x + \xo 4:9 \xo*\xt I Kor 8:3\xt*\x*vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò? \v 10 Nou \x + \xo 4:10 \xo*\xt Wo 14:5\xt*\x*obsève jou yo, mwa yo, sezon ak lane yo. \v 11 Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven. \p \v 12 Mwen priye nou \x + \xo 4:12 \xo*\xt Gal 6:18\xt*\x*frè m yo, pou nou vin tankou mwen menm, paske mwen gen tan vin tankou nou. Nou pa t fè m okenn tò; \v 13 men nou konnen ke se te akoz yon maladi nan kò a ke m te preche levanjil la a nou menm nan premye fwa a. \v 14 Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men \x + \xo 4:14 \xo*\xt Mat 10:40\xt*\x*nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm. \p \v 15 Alò, kote sans benediksyon sa a gen tan ale la a? Paske mwen pran nou kòm temwen ke si te posib, nou t ap rache pwòp zye nou pou nou te ban mwen. \v 16 Èske konsa mwen vin lènmi nou \x + \xo 4:16 \xo*\xt Am 5:10\xt*\x*akoz ke m di nou Verite a? \v 17 Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo. \v 18 Men se toujou bon si nou gen zèl pou sa ki bon, e \x + \xo 4:18 \xo*\xt Gal 4:13\xt*\x*pa sèlman lè m la avè nou. \p \v 19 Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske \x + \xo 4:19 \xo*\xt Ef 4:13\xt*\x*Kris fòme nan nou— \v 20 Men mwen ta swete prezan avèk nou koulye a pou chanje jan mwen refleshi sou nou, paske \x + \xo 4:20 \xo*\xt II Kor 4:8\xt*\x*mwen vin pa konprann nou. \p \v 21 Di mwen, nou menm ki vle anba Lalwa a, èske nou pa \x + \xo 4:21 \xo*\xt Luc 16:29\xt*\x*tande Lalwa a? \v 22 Paske li ekri ke Abraham te gen de fis \x + \xo 4:22 \xo*\xt Jen 16:15\xt*\x*youn pa fanm ki te esklav la, e \x + \xo 4:22 \xo*\xt Jen 21:2\xt*\x*youn pa fanm ki te lib la. \v 23 Men \x + \xo 4:23 \xo*\xt Wo 9:7\xt*\x*fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e \x + \xo 4:23 \xo*\xt Jen 17:16\xt*\x*fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la. \v 24 Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va \x + \xo 4:24 \xo*\xt Gal 4:3\xt*\x*esklav yo; li menm se Agar. \v 25 Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo. \v 26 Men \x + \xo 4:26 \xo*\xt Eb 12:22\xt*\x*Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout. \v 27 Paske sa ekri: \q1 \x + \xo 4:27 \xo*\xt És 54:1\xt*\x*“Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit; \q1 eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa \q1 nan doulè pou fè timoun nan: \q1 paske pitit a sila ki aflije a plis an \q1 kantite pase sila ki gen mari a.” \p \v 28 Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se \x + \xo 4:28 \xo*\xt Wo 9:7\xt*\x*pitit a pwomès la. \v 29 Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te \x + \xo 4:29 \xo*\xt Jen 21:9\xt*\x*pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a. \v 30 Men kisa Lekriti Sen an di?: \x + \xo 4:30 \xo*\xt Jen 21:12\xt*\x*“Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.” \v 31 Alò konsa, frè m yo, nou pa pitit a yon fanm esklav, men a yon fanm lib. \c 5 \p \v 1 \x + \xo 5:1 \xo*\xt Jn 8:32,36\xt*\x*Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj. \p \v 2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa \x + \xo 5:2 \xo*\xt Trav 15:1\xt*\x*sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. \v 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou \x + \xo 5:3 \xo*\xt Wo 2:25\xt*\x*kenbe tout Lalwa a. \v 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou \x + \xo 5:4 \xo*\xt Eb 12:15\xt*\x*tonbe kite lagras. \v 5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap \x + \xo 5:5 \xo*\xt Wo 8:23\xt*\x*tann esperans ladwati a. \v 6 Paske nan Kris Jésus \x + \xo 5:6 \xo*\xt I Kor 7:19\xt*\x*ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a. \p \v 7 Nou t ap \x + \xo 5:7 \xo*\xt Gal 2:2\xt*\x*kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? \v 8 Enfliyans sa a pa t sòti nan \x + \xo 5:8 \xo*\xt Wo 8:28\xt*\x*Sila ki te fè apèl de nou an. \v 9 \x + \xo 5:9 \xo*\xt I Kor 5:6\xt*\x*Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. \v 10 Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap \x + \xo 5:10 \xo*\xt Gal 1:7\xt*\x*twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a. \p \v 11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou \x + \xo 5:11 \xo*\xt Gal 6:12\xt*\x*pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. \v 12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta \x + \xo 5:12 \xo*\xt Det 23:1\xt*\x*menm chatre pwòp kò yo. \p \v 13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. \x + \xo 5:13 \xo*\xt I Kor 8:9\xt*\x*Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. \v 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; \x + \xo 5:14 \xo*\xt Lev 19:18\xt*\x*“Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” \v 15 Men si nou \x + \xo 5:15 \xo*\xt Gal 5:20\xt*\x*mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt. \p \v 16 Men mwen di nou \x + \xo 5:16 \xo*\xt Wo 8:4\xt*\x*mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. \v 17 Paske \x + \xo 5:17 \xo*\xt Wo 8:5\xt*\x*lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, \x + \xo 5:17 \xo*\xt Wo 7:15\xt*\x*pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. \v 18 Men si nou \x + \xo 5:18 \xo*\xt Wo 8:14\xt*\x*mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. \v 19 Alò, zèv lachè yo klè: \x + \xo 5:19 \xo*\xt I Kor 6:9,18\xt*\x*Imoralite, salte, sansyalite \v 20 idolatri, fè maji, fè lènmi \x + \xo 5:20 \xo*\xt II Kor 12:20\xt*\x*konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon \v 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap \x + \xo 5:21 \xo*\xt I Kor 6:9\xt*\x*eritye wayòm Syèl la. \p \v 22 Men \x + \xo 5:22 \xo*\xt Mat 7:16\xt*\x*fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite \v 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. \v 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan \x + \xo 5:24 \xo*\xt Wo 6:6\xt*\x*krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo. \p \v 25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache \x + \xo 5:25 \xo*\xt Gal 5:16\xt*\x*pa Lespri a. \v 26 Pa kite nou \x + \xo 5:26 \xo*\xt Fil 2:3\xt*\x*vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt. \c 6 \p \v 1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki \x + \xo 6:1 \xo*\xt I Kor 2:15\xt*\x*posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. \v 2 \x + \xo 6:2 \xo*\xt Wo 15:1\xt*\x*Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. \v 3 Paske \x + \xo 6:3 \xo*\xt Trav 5:36\xt*\x*si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. \v 4 Men chak moun dwe \x + \xo 6:4 \xo*\xt I Kor 11:28\xt*\x*egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. \v 5 Paske \x + \xo 6:5 \xo*\xt Pwov 9:12\xt*\x*chak moun va pote pwòp chaj pa l. \p \v 6 \x + \xo 6:6 \xo*\xt I Kor 9:11,14\xt*\x*Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la. \p \v 7 Pa twonpe tèt nou; \x + \xo 6:7 \xo*\xt Job 13:9\xt*\x*Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. \v 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men \x + \xo 6:8 \xo*\xt Wo 8:11\xt*\x*sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. \v 9 Annou pa \x + \xo 6:9 \xo*\xt I Kor 15:58\xt*\x*dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. \v 10 Alò \x + \xo 6:10 \xo*\xt Pwov 3:27\xt*\x*pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo. \p \v 11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou \x + \xo 6:11 \xo*\xt I Kor 16:21\xt*\x*avèk pwòp men mwen. \v 12 Sila ki vle \x + \xo 6:12 \xo*\xt Mat 23:27\xt*\x*parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. \v 13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm \x + \xo 6:13 \xo*\xt Wo 2:25\xt*\x*kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. \v 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e \x + \xo 6:14 \xo*\xt Wo 6:2,6\xt*\x*mwen menm pou mond lan. \v 15 Paske nan Kris Jésus, \x + \xo 6:15 \xo*\xt Wo 2:26,28\xt*\x*sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. \v 16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou \x + \xo 6:16 \xo*\xt Wo 9:6\xt*\x*Israël Bondye a. \p \v 17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m \x + \xo 6:17 \xo*\xt És 44:5\xt*\x*mak a Jésus yo. \p \v 18 \x + \xo 6:18 \xo*\xt Wo 16:20\xt*\x*Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete \x + \xo 6:18 \xo*\xt II Tim 4:22\xt*\x*avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.