\id EZR \ide UTF-8 \h Esdras \toc1 ESDRAS \toc2 Esdras \toc3 Esd \mt1 ESDRAS \c 1 \p \v 1 Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te \x + \xo 1:1 \xo*\xt Esd 5:13\xt*\x*voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di: \mi \v 2 “Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi \x + \xo 1:2 \xo*\xt És 44:28\xt*\x*Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda. \v 3 Nenpòt moun ki pami nou nan tout pèp li a, ke Bondye pa li a kapab avèk li! Lese l monte Jérusalem ki nan Juda pou rebati lakay SENYÈ a, Bondye Israël la \x + \xo 1:3 \xo*\xt És 37:16\xt*\x*(Se Li ki Bondye), ki nan Jérusalem nan. \v 4 Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk lò, avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan.’” \p \v 5 Epi chèf lakay papa zansèt pa yo nan Juda avèk Benjamin, e prèt avèk Levit yo te leve, \x + \xo 1:5 \xo*\xt Esd 1:1-2\xt*\x* menm tout sila ki te gen lespri vire pa Bondye yo, pou monte rebati lakay SENYÈ a ki Jérusalem nan. \v 6 Tout sila ki te antoure yo te \x + \xo 1:6 \xo*\xt Né 6:9\xt*\x* ankouraje yo avèk bagay an ajan, lò, byen pa yo, bèt yo, bagay yo koute chè pa yo, apati de tout sa ki te bay kon ofrann bòn volonte. \v 7 Anplis, Wa Cyrus te mennen fè sòti tout bagay ki te pou lakay SENYÈ a \x + \xo 1:7 \xo*\xt II Wa 24:13\xt*\x* ke Nebucadnetsar te mennen fè sòti Jérusalem pou mete lakay dye a li menm yo; \v 8 menm sa yo Cyrus, wa Perse la, te fè sòti pa men Mithredath, trezorye a e li menm, te konte yo pou \x + \xo 1:8 \xo*\xt Esd 5:14\xt*\x* Sheshbatsar, prens a Juda a. \v 9 Men kontwòl yo: trant \x + \xo 1:9 \xo*\xt Esd 8:27\xt*\x* asyèt an lò, mil asyèt an ajan, vent-nèf kouto; \v 10 trant bòl an lò, kat-san-dis bòl an ajan nan yon lòt kalite ak mil nan lòt atik. \v 11 Tout bagay an lò avèk ajan yo te vin kontwole nan senk-mil-kat-san. Sheshbatsar te mennen yo tout monte avèk moun egzil ki te sòti Babylone yo pou rive Jérusalem. \c 2 \p \v 1 Alò, \x + \xo 2:1 \xo*\xt II Wa 24:14-16\xt*\x* sila yo se moun pwovens ki te vin sòti an kaptivite kon moun egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale Babylone e te gen tan retounen Jérusalem avèk Juda, yo chak nan pwòp vil pa yo. \v 2 Sila yo te vini avèk Zorobabel, Josué, Néhémie, Seraja, Reélaja, Mardochée, Bilschan, Mispar, Bigtvaï, Rehum ak Baana. \p Fòs kantite mesye nan pèp Israël yo: \v 3 Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz. \v 4 Fis a Schephathia yo, twa-san-swasann-douz. \v 5 Fis Arach yo: sèt-san-swasann-kenz; \v 6 fis a Pachath-Moab nan fis a Josué avèk Joab yo: de-mil-ui-san-douz. \v 7 Fis Élam yo: mil-de-san-senkant-kat. \v 8 Fis Zatthu yo: nèf-san-karant-senk. \v 9 Fis Zaccaï yo: sèt-san-swasant; \v 10 fis Bani yo: sis-san-karant-de, \v 11 Fis Bébaï yo: sis-san-venn-twa. \v 12 Fis Azgad yo: mil-de-san-venn-de. \v 13 Fis Adonikam yo: sis-san-swasann-sis. \v 14 Fis Bigvaï yo: de-mil-senkant-sis. \v 15 Fis Adin yo: kat-san-senkant-kat. \v 16 Fis Ather nan fanmi Ézéchias yo: katreven-dizuit. \v 17 Fis Betsaï yo: twa-san-venn-twa. \v 18 Fis Jora yo: san-douz. \v 19 Fis Haschum yo: de-san-venn-twa. \v 20 Fis Guibbar yo: katra-ven-kenz. \v 21 Mesye a Bethléem yo: san-venn-twa. \v 22 Mesye a Nethopha yo: senkant-sis. \v 23 Mesye Anathoth yo: san-venn-tuit. \v 24 Fis Azmaveth yo: karann-de. \v 25 Fis a Kirjath-Arim yo, Kephira, avèk Beéroth yo; sèt-san-karann-twa. \v 26 Fis a Rama avèk Guéba yo: sis-san-venteyen. \v 27 Mesye a Micmas yo: san-venn-de. \v 28 Mesye a Béthel avèk Aï yo: de-san-venn-twa. \v 29 Fis a Nebo yo: senkant-de. \v 30 Fis a Magbisch yo: san-senkant-sis. \v 31 Fis a lòt Élam nan: mil-de-san-senkant-kat. \v 32 Fis a Harim yo: twa-san-ven. \v 33 Fis a Lod, Hadid ak Ono yo: sèt-san-venn-senk. \v 34 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk. \v 35 Fis a Senaa yo: twa-mil-sis-san-trant. \p \v 36 Prèt yo; fis a Jedaeja lakay Josué yo: nèf-san-swasann-trèz. \v 37 Fis a Immer yo: mil-senkant-de; \v 38 fis a Paschhur yo: mil-de-san-karann-sèt. \v 39 Fis a Harim yo: mil-disèt. \p \v 40 Levit yo: fis a Josué yo, fis a Kadmiel yo e fis a Hodavia yo: swasann-katòz. \v 41 Chantè yo: fis a Asaph yo: san-venn-tuit. \v 42 Fis a gadyen yo: Fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thalmon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo e fis a Schobaï yo an total: san-trant-nèf. \p \v 43 Netinyen yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, avèk fis a Thabbaoth yo, \v 44 fis a Kéros yo, fis a Siaha yo, avèk fis a Padon yo, \v 45 fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Akkub yo, \v 46 fis a Hagab yo, fis a Schamlaï yo, fis a Hanan yo, \v 47 fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo, fis a Reaja yo, \v 48 fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo, fis a Gazzam yo, \v 49 fis a Uzza yo, fis a Peséach yo, fis a Bésaï yo, \v 50 fis a Asna yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephusim yo, \v 51 fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo, \v 52 fis a Batsluth yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo, \v 53 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo, \v 54 fis a Netsaich yo, fis a Hathipha yo. \p \v 55 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Peruda yo, \v 56 fis a Jaala yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo, \v 57 fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatesbaïm yo, fis a Ami yo. \v 58 Tout sèvitè tanp lan avèk \x + \xo 2:58 \xo*\xt I Wa 9:21\xt*\x*fis a sèvitè Salomon yo te twa-san-katreven-douz. \p \v 59 Alò, sa yo se sila ki te monte sòti Thel-Mélach, Thel-Harscha, Kerub-Addan, avèk Imher ki pa t kapab bay prèv selon lakay zansèt pa yo, ke se moun Israël yo te ye: \v 60 Fis a Delaja yo, fis a Tobija yo, fis a Nekoda yo, sis-san-senkant-de. \v 61 Epi pami fis a prèt yo: fis a Habaja yo, fis a Hakkots yo, fis a \x + \xo 2:61 \xo*\xt II Sam 17:21\xt*\x* Barzillaï yo, ki te pran pou madanm li youn nan fi a Barzillaï yo, Gadit la e te rele pa non pa yo. \v 62 Sila yo te fè rechèch pami anrejistreman zansèt pa yo, men yo pa t kab twouve yo; \x + \xo 2:62 \xo*\xt Nonb 16:39-40\xt*\x* akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e te anpeche fè sèvis kon prèt. \v 63 Gouvènè a te pale yo pou pa manje bagay ki sen pase tout lòt bagay yo jiskaske yon prèt te kanpe avèk \x + \xo 2:63 \xo*\xt Egz 28:30\xt*\x*Ourim nan ak Toumim nan. \p \v 64 Tout asanble a te kontwole a karann-de-mil-twa-san-swasant moun, \v 65 anplis, sèvitè gason ak fanm pa yo ki te kontwole nan sèt-mil-twa-san-trann-sèt; epi yo te gen de-san \x + \xo 2:65 \xo*\xt II Kwo 35:25 \xt*\x*chantè, ni gason ni fanm. \v 66 Cheval yo te kontwole nan sèt-san-trann-sis e milèt yo nan de-san-karann-senk. \v 67 Chamo yo te kat-san-trann-senk, avèk bourik yo nan si-mil-sèt-san-ven. \p \v 68 Kèk nan chèf lakay zansèt yo, lè yo te rive lakay SENYÈ a, ki Jérusalem nan, yo te fè ofrann bòn volonte a pou l ta rekonstwi fondasyon li yo. \v 69 Selon kapasite pa yo, yo te bay \x + \xo 2:69 \xo*\xt Esd 8:25-34\xt*\x* nan kès la sòm a swasann-te-yen-mil drakma an lò, senk-mil min an ajan, avèk san vètman pou prèt yo. \p \v 70 Alò prèt yo avèk Levit yo, kèk nan moun yo, chantè yo, gadyen pòtay yo avèk sèvitè tanp yo te rete nan vil pa yo e tout Israël nan vil pa yo. \c 3 \p \v 1 Alò, lè \x + \xo 3:1 \xo*\xt Né 7:73\xt*\x* setyèm mwa a te fin rive e fis Israël yo te nan vil yo, pèp la, kon yon sèl moun, te reyini ansanm Jérusalem. \v 2 Konsa, \x + \xo 3:2 \xo*\xt Né 12:1-8 \xt*\x* Josué, fis a Jotsadak la avèk frè li yo, prèt yo e Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk frè li yo, te leve e te bati lotèl Bondye Israël la pou ofri ofrann brile sou li, kon sa ekri nan lalwa Moïse la, nonm Bondye a. \v 3 Pou sa, yo te mete lotèl la sou fondasyon li, malgre \x + \xo 3:3 \xo*\xt Esd 4:4\xt*\x* yo te krent anpil akoz pèp a nasyon yo, epi yo te ofri ofrann brile yo sou li a SENYÈ a, ofrann brile nan maten ak nan aswè. \v 4 Yo te selebre Fèt Tonèl yo kon sa ekri a, e te fè fòs kantite ofrann brile ki te etabli chak jou yo, selon obligasyon chak jou ke òdonans lan egzije yo; \v 5 epi apre, te genyen \x + \xo 3:5 \xo*\xt Egz 29:38\xt*\x* yon ofrann brile san rete. Anplis, pou nouvèl lin e pou tout fèt SENYÈ a ki te òdone e konsakre yo, e soti nan tout moun ki te ofri yon ofrann bòn volonte a SENYÈ a. \v 6 Soti nan premye jou nan setyèm mwa a, yo te kòmanse ofri ofrann brile a SENYÈ a, men fondasyon tanp lan potko poze. \v 7 Yo te vèse bay lajan a mason yo avèk chapant yo avèk manje, bagay pou bwè, lwil pou Sidonyen avèk Tiryen yo \x + \xo 3:7 \xo*\xt II Kwo 2:16\xt*\x* pou pote bwa sèd sòti Liban pou rive nan lanmè \x + \xo 3:7 \xo*\xt Trav 9:36\xt*\x*Japho a, selon pèmisyon ke yo te resevwa soti nan Cyrus, wa Perse la. \p \v 8 Alò, nan dezyèm ane a, depi yo te rive lakay Bondye Jérusalem nan dezyèm mwa a, Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk Josué, fis a Jotsadak la avèk tout lòt frè pa yo, prèt yo avèk Levit yo e tout moun ki te vini soti an kaptivite pou rive Jérusalem, te kòmanse èv la e te \x + \xo 3:8 \xo*\xt I Kwo 23:4-24 \xt*\x* apwente Levit yo ak laj a ventan oswa plis pou sipèvize travay lakay SENYÈ a. \v 9 Konsa, \x + \xo 3:9 \xo*\xt Esd 2:40\xt*\x* Josué avèk fis li yo ak frè li yo te kanpe ansanm avèk Kadmiel ak fis pa li yo, fis a Juda yo, fis a Hénadad yo avèk fis pa yo ak frè yo, Levit yo, pou sipèvize ouvriye nan tanp Bondye a. \p \v 10 Alò, lè ouvriye yo te \x + \xo 3:10 \xo*\xt Za 4:6-10\xt*\x* fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. \v 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: \x + \xo 3:11 \xo*\xt Sòm 100:5\xt*\x* “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze. \p \v 12 Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, \x + \xo 3:12 \xo*\xt Ag 2:3\xt*\x* ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa, \v 13 jiskaske pèp la pa t kab distenge antre son lajwa ak son kriye a pèp la, paske pèp la te rele ak gran vwa e son lan te koute soti byen lwen. \c 4 \p \v 1 Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke \x + \xo 4:1 \xo*\xt Esd 1:11\xt*\x* moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la, \v 2 yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a \x + \xo 4:2 \xo*\xt II Wa 19:37\xt*\x* Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.” \p \v 3 Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: \x + \xo 4:3 \xo*\xt Né 2:20\xt*\x* “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, \x + \xo 4:3 \xo*\xt Esd 1:1,2\xt*\x*kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.” \p \v 4 Konsa, \x + \xo 4:4 \xo*\xt Esd 3:3\xt*\x* pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a. \v 5 Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la. \v 6 Alò nan règn \x + \xo 4:6 \xo*\xt Est 1:1\xt*\x* Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan. \p \v 7 Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kolèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Amareyen e livre \x + \xo 4:7 \xo*\xt II Wa 18:26\xt*\x* nan lang Amareyen. \v 8 Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan. \v 9 Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kolèg yo, jij yo ak \x + \xo 4:9 \xo*\xt Esd 5:6\xt*\x* gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo, \v 10 ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an. \x + \xo 4:10 \xo*\xt Esd 4:11-17\xt*\x* \p \v 11 Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a: \b \pi1 “A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a. \mi \v 12 Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e \x + \xo 4:12 \xo*\xt Esd 5:3-9\xt*\x* ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo. \v 13 Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo \x + \xo 4:13 \xo*\xt Esd 4:20\xt*\x* p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a. \v 14 Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a, \v 15 pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa. \v 16 Nou enfòme wa a ke si vil sa a rebati e miray yo konplete; akoz sa a, ou p ap ankò posede anyen nan pwovens lòtbò larivyè Jourdain an.” \b \p \v 17 Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kolèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an: \b \mi Lapè. \b \pi1 \v 18 Dokiman ke nou te voye bannou an te \x + \xo 4:18 \xo*\xt Né 8:8 \xt*\x* tradwi ak li devan m. \v 19 Mwen te fè yon dekrè, rechèch te fèt e li te dekouvri ke vil sa a te konn leve kont wa yo nan jou pase yo, ke rebelyon avèk revolisyon te konn fèt ladann, \v 20 \x + \xo 4:20 \xo*\xt I Wa 4:21\xt*\x* ke wa pwisan pa yo te konn gouvène tout pwovens lòtbò larivyè yo e ke kontribisyon obligatwa yo, tarif yo, e lese pase yo te konn peye a yo menm. \v 21 Pou sa, pibliye yon dekrè pou fè mesye sila yo sispann travay la pou vil sila a pa rebati jiskaske yon dekrè pibliye pa mwen menm. \v 22 Veye ke nou pa lach nan akonpli bagay sa a. Poukisa nou ta kite donmaj ki p ap nan avantaj a wa yo vin plis? \b \p \v 23 Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kolèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam. \v 24 Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la. \c 5 \p \v 1 Alò pwofèt yo, pwofèt \x + \xo 5:1 \xo*\xt Ag 1:1\xt*\x* Agée avèk pwofèt \x + \xo 5:1 \xo*\xt Za 1:1\xt*\x*Zacharie, fis a Iddo a, te pwofetize a Jwif ki te Juda avèk Jérusalem. Yo te pwofetize nan non Bondye Israël la. \v 2 Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak \x + \xo 5:2 \xo*\xt Esd 6:14\xt*\x*pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen. \p \v 3 Nan lè \x + \xo 5:3 \xo*\xt Esd 6:6-13\xt*\x* Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò Rivyè a e Schethar-Boznaï avèk kolèg parèy a yo, te vin kote yo, e te pale avèk yo konsa: \x + \xo 5:3 \xo*\xt Esd 1:3 \xt*\x*“Se kilès ki te bay ou dekrè pou fin fè tanp sila a, e pou fin fè konstriksyon sila a?” \v 4 \x + \xo 5:4 \xo*\xt Esd 5:10\xt*\x* Anplis, yo te mande non a mesye yo ki t ap fè batisman sila a. \v 5 Men \x + \xo 5:5 \xo*\xt Esd 7:6-28\xt*\x* zye a Bondye pa yo te veye sou ansyen nan Jwif yo, e yo pa t fè yo sispann jiskaske yon rapò te sòti nan Darius, wa Perse la. \p \v 6 Kopi a lèt ke Thathnaï, gouvènè lòtbò rivyè a, e Schethar-Boznaï avèk kolèg Arpacschad yo \x + \xo 5:6 \xo*\xt Esd 4:9\xt*\x* ki te lòtbò rivyè a, ke yo te voye a Darius, wa a. \v 7 Yo te voye bay li yon rapò, e ladann, te ekri sa: \b \mi A Darius, wa a; lapè avèk ou! \pi1 \v 8 Kite li rekonèt a wa a ke nou te ale nan pwovens a Juda a, vè kay a gran Bondye a, ki ap bati avèk wòch ki gwo, e travès yo ap poze nan mi li yo. Travay sila a ap avanse avèk gwo swen e ap byen reyisi nan men yo. \v 9 Konsa, nou te kesyonen ansyen sila yo epi te mande yo konsa: “Kilès ki te bay ou dekrè pou rebati tanp sa a, e fini avèk konstriksyon sa a?” \v 10 Anplis, nou te mande yo non yo pou nou ta kab fè ou konnen e ke nou ta kapab ekri non a mesye ki te chèf an tèt yo. \v 11 Se konsa yo te reponn nou. Yo te di: “Nou se sèvitè a Bondye syèl la avèk tè a, e n ap rebati tanp ki te bati anpil ane pase yo, \x + \xo 5:11 \xo*\xt I Wa 6:1-38\xt*\x* ke yon gran wa Israël te bati, e te fin acheve. \v 12 Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, \x + \xo 5:12 \xo*\xt II Wa 25:8-11 \xt*\x* Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone. \v 13 Sepandan, nan premye ane Cyrus la, wa Babylone nan, Wa Cyrus te \x + \xo 5:13 \xo*\xt Esd 1:1-4\xt*\x* pibliye yon dekrè pou rebati kay Bondye sila a. \v 14 Anplis, \x + \xo 5:14 \xo*\xt Esd 1:7\xt*\x* zouti an ajan avèk lò lakay Bondye ke Nebucadnetsar te retire soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote yo nan tanp Babylone nan. Menm sila yo, Cyrus te pran soti nan tanp Babylone nan, e yo te bay a yon nonm ki te rele Sheshbatsar, sila li te chwazi kon gouvènè a. \v 15 Li te di li: ‘Pran zouti sila yo, ale depoze yo nan tanp Jérusalem nan, e kite kay Bondye a vin rebati nan plas li.’ \v 16 Epi Sheshbatsar sila a te vin \x + \xo 5:16 \xo*\xt Esd 3:8-10\xt*\x*poze fondasyon kay Bondye a Jérusalem. Epi depi lè sa a, jis rive koulye a, li te anba konstriksyon men li poko fini. \pi1 \v 17 Alò, si sa ta fè wa a kontan, \x + \xo 5:17 \xo*\xt Esd 6:1-2\xt*\x* kite yon rechèch fèt lakay trezorye wa a ki Babylone nan, ke si se konsa, yon dekrè te fèt pa Cyrus pou rebati kay Bondye sila a Jérusalem. Epi konsa, kite wa a voye bannou desizyon pa li sou ka sa a.” \c 6 \p \v 1 Wa Darius te pibliye yon dekrè e \x + \xo 6:1 \xo*\xt Esd 5:17\xt*\x* yon rechèch te fèt nan achiv yo kote trezò yo te depoze Babylone nan. \v 2 Nan \x + \xo 6:2 \xo*\xt II Wa 17:6\xt*\x* Achemetha, nan fò a, ki nan pwovens a Médie a, yo te twouve yon woulo, e ladann te ekri konsa kon yon rekòd anrejistre: \b \pi1 \v 3 \x + \xo 6:3 \xo*\xt Esd 1:1\xt*\x* Nan premye ane a Wa Cyrus la, Cyrus, wa a, te pibliye yon dekrè: Sou kay Bondye nan Jérusalem nan, kite tanp kote sakrifis konn vin ofri yo vin rebati, e kite fondasyon li yo konsève, wotè ki swasant koude a e lajè ki swasant koude a \v 4 \x + \xo 6:4 \xo*\xt I Wa 6:36\xt*\x* avèk twa ranje gwo wòch taye ak yon ranje an bwa. Epi kite frè a peye soti nan trezò wa a. \v 5 Anplis, kite \x + \xo 6:5 \xo*\xt Esd 1:7\xt*\x* zouti an lò avèk ajan ki pou lakay Bondye yo, ke Nebucadnetsar te pran soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote Babylone nan, remèt e fè retounen nan plas yo nan tanp Jérusalem nan. Konsa, nou va depoze yo nan kay Bondye a. \pi1 \v 6 Alò, pou sa, \x + \xo 6:6 \xo*\xt Esd 5:3\xt*\x* Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la. \v 7 Kite travay sila sou kay Bondye a kontinye; kite gouvènè a Jwif yo avèk ansyen a Jwif yo rebati lakay Bondye a sou sit anplasman li an. \v 8 Anplis, \x + \xo 6:8 \xo*\xt Esd 6:4\xt*\x* Mwen menm, Darius, ap bay yon dekrè sou sa nou gen pou fè pou ansyen sila yo nan Juda pou rekonstriksyon lakay Bondye sila a: Tout frè li se pou peye a pèp sila yo soti nan kès trezò ki sòti nan taks ki sòti nan pwovens lòtbò rivyè yo. Epi sa dwe fèt san fè reta. \v 9 Nenpòt sa ki nesesè, ni jenn towo, belye, ni jenn mouton pou ofrann brile a Bondye syèl la, e ble, sèl, diven ak lwil onksyon, jan prèt Jérusalem yo mande a, fòk sa bay a yo chak jou san manke, \v 10 pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e \x + \xo 6:10 \xo*\xt Esd 7:23\xt*\x* priye pou lavi a wa a avèk fis li yo. \v 11 Epi mwen te pibliye yon lòd ke \x + \xo 6:11 \xo*\xt Esd 7:26\xt*\x* nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo, e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra. \v 12 Ke Bondye \x + \xo 6:12 \xo*\xt Det 12:5-11 \xt*\x* ki te fè non Li rete la, ta dechouke nenpòt wa oswa pèp ki ta leve men l chanje sa a pou li ta detwi kay Bondye sa a, Jérusalem. Mwen, Darius, te pase lòd sa a. Kite li akonpli avèk dilijans! \b \p \v 13 Alò, \x + \xo 6:13 \xo*\xt Esd 6:6\xt*\x* Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kolèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a. \p \v 14 Epi \x + \xo 6:14 \xo*\xt Esd 5:1-2\xt*\x* ansyen pami Jwif yo te reyisi nan konstriksyon an selon asistans pwofesi ki t ap fèt pa Aggée avèk Zacharie yo, fis a Iddo a. Konsa, yo te fin bati selon lòd Bondye Israël la, dekrè a Cyrus la, Darius ak Artaxerxès, wa a Perse la. \v 15 Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan \x + \xo 6:15 \xo*\xt Est 3:7\xt*\x* mwa Adar a. Li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la. \p \v 16 Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te \x + \xo 6:16 \xo*\xt I Wa 8:63\xt*\x* selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa. \v 17 Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, \x + \xo 6:17 \xo*\xt Esd 8:35\xt*\x* douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo. \v 18 Epi yo te chwazi prèt yo a divizyon pa yo ak Levit yo nan lòd pa yo pou sèvis Bondye Jérusalem nan, \x + \xo 6:18 \xo*\xt Nonb 3:6\xt*\x* jan sa ekri nan liv Moïse la. \p \v 19 Moun egzil yo te obsève fèt Pak la nan \x + \xo 6:19 \xo*\xt Egz 12:6\xt*\x* katòzyèm jou nan premye mwa a. \v 20 Paske prèt yo avèk Levit yo te fin pirifye yo ansanm, yo tout nan yo te pwòp. Epi \x + \xo 6:20 \xo*\xt II Kwo 35:11\xt*\x* yo te touye jenn mouton Pak la pou tout moun egzil yo, ni pou frè pa yo, prèt yo ak pou yo menm. \v 21 Fis a Israël ki te retounen an egzil yo, e \x + \xo 6:21 \xo*\xt Né 9:2\xt*\x* tout sila ki te separe yo menm de lempite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la. \v 22 Epi \x + \xo 6:22 \xo*\xt Egz 12:15\xt*\x* yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e \x + \xo 6:22 \xo*\xt Esd 7:27 \xt*\x*te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la. \c 7 \p \v 1 Alò, apre bagay sila yo, nan règn \x + \xo 7:1 \xo*\xt Esd 7:12-21\xt*\x* Artaxerxès la, wa Perse la, te monte Esdras, fis a Seraja a, fis a Azaria a, fis a Hilkija a, \v 2 fis a Schallum nan, fis a Tsadok la, fis a Achithub la, \v 3 fis a Amaria a, fis a Merajoth la, \v 4 fis a Zerachja a, fis a Uzzi a, fis a Bukki a, \v 5 fis a Abischura a, fis a Phinées a, fis a Éléazar a, fis a Aaron an, wo prèt la. \v 6 Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon \x + \xo 7:6 \xo*\xt Esd 7:11-21\xt*\x* skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li. \v 7 \x + \xo 7:7 \xo*\xt Esd 8:1-20\xt*\x* Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la. \v 8 Li te vini Jérusalem nan senkyèm mwa a, ki te nan setyèm ane règn a Wa a. \v 9 Paske nan premye jou nan premye mwa a, li te kòmanse monte soti Babylone; epi nan premye jou nan senkyèm mwa a, li te rive Jérusalem, \x + \xo 7:9 \xo*\xt Esd 7:6\xt*\x* akoz bon men a Bondye pa li a te sou li. \v 10 Paske Esdras te dedye kè li pou etidye lalwa SENYÈ a, pou pratike li, \x + \xo 7:10 \xo*\xt Esd 7:25\xt*\x* pou enstwi règleman pa Li yo ak òdonans Li yo an Israël. \p \v 11 Alò, sa se yon kopi a dekrè ke Wa Artaxerxès te bay a Esdras, prèt la, skrib la, ki te byen enstwi nan kòmandman a SENYÈ a, avèk règleman Li yo pou Israël: \b \mi \v 12 “Artaxerxès, wadèwa yo, a Esdras, prèt la, skrib lalwa Bondye Syèl la, lapè pafè. \pi1 Depi koulye a, \v 13 \x + \xo 7:13 \xo*\xt Esd 6:1\xt*\x* mwen te bay yon dekrè ke nenpòt moun nan pèp Israël la avèk prèt pa yo ak Levit nan wayòm pa m nan ki gen volonte pou ale Jérusalem, kapab ale avèk ou. \v 14 Akoz ke ou voye pa wa a avèk \x + \xo 7:14 \xo*\xt Esd 7:15-28\xt*\x* sèt konseye li yo, pou mande konsèy sou Juda ak Jérusalem, selon lalwa Bondye pa ou a, ki nan men ou a, \v 15 epi pou pote ajan avèk lò ke wa a avèk konseye li yo te ofri libreman a Bondye Israël la, \x + \xo 7:15 \xo*\xt Esd 6:12\xt*\x* ki gen plas abitasyon Li Jérusalem, \v 16 avèk tout ajan ak lò ke ou jwenn nan tout pwovens Babylone yo, ansanm \x + \xo 7:16 \xo*\xt Esd 1:4\xt*\x* avèk ofrann bòn volonte a pèp la ak prèt yo, ki te \x + \xo 7:16 \xo*\xt I Kwo 29:6\xt*\x*ofri avèk bòn volonte pou lakay Bondye pa yo a ki Jérusalem nan. \v 17 Pou sa, avèk lajan sa a, nou va, avèk swen, achte towo, belye, jenn mouton avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, e \x + \xo 7:17 \xo*\xt Det 12:5-11\xt*\x* ofri yo sou lotèl lakay Bondye nou an ki Jérusalem nan. \v 18 Nenpòt sa ou wè ki sanble bon a ou menm avèk frè ou yo pou fè avèk sa ki rete nan ajan avèk lò yo, nou kab fè l selon volonte Bondye pa nou an. \v 19 Anplis, zouti ki bay a nou pou sèvis lakay Bondye ou a, livre yo nèt devan Bondye Jérusalem nan. \v 20 Tout lòt bezwen pou lakay Bondye ou a, ke ou kab petèt gen okazyon founi, \x + \xo 7:20 \xo*\xt Esd 6:4\xt*\x* founi li soti nan kès trezò wa a. \v 21 Mwen, mwen menm, Wa Artaxerxès, pibliye yon dekrè a tout trezorye ki nan pwovens lòtbò rivyè a, ke nenpòt sa ke Esdras, prèt la, \x + \xo 7:21 \xo*\xt Esd 7:6\xt*\x* skrib lalwa a Bondye syèl la a ta egzije a nou, fòk li fèt avèk swen, \v 22 jis menm rive a san talan ajan, san barik ble, san galon diven, san galon lwil, avèk sèl si li ta nesesè. \v 23 Nenpòt sa ki kòmande pa Bondye syèl la, kite li fèt avèk zèl pou lakay Bondye syèl la, \x + \xo 7:23 \xo*\xt Esd 6:10\xt*\x* pou pa vin genyen kòlè Li kont wayòm a wa a avèk fis li yo. \pi1 \v 24 Anplis, nou fè nou konprann ke \x + \xo 7:24 \xo*\xt Esd 4:13-20\xt*\x* li pa pèmèt pou enpoze taks, kontribisyon obligatwa, ni frè lese pase sou okenn nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, Netinyen yo, ni sèvitè lakay Bondye sila a. \pi1 \v 25 Ou menm, Esdras, selon sajès a Bondye ki nan men ou a, \x + \xo 7:25 \xo*\xt Egz 18:21\xt*\x* chwazi majistra yo avèk jij yo pou yo kab jije tout moun ki nan pwovens lòtbò rivyè a, menm tout sila ki konnen lalwa a Bondye pa ou a; epi ou kapab \x + \xo 7:25 \xo*\xt Mal 2:7\xt*\x*enstwi nenpòt moun ki manke konprann. \v 26 \x + \xo 7:26 \xo*\xt Esd 6:11-12\xt*\x* Nenpòt moun ki refize obsève lalwa Bondye ou a, avèk lalwa a wa a, kite jijman vin tonbe sou li avèk severite, swa pou lanmò, swa mete l deyò nan peyi a, swa sezi byen li, oswa ba li prizon.” \p \v 27 \x + \xo 7:27 \xo*\xt Esd 6:22\xt*\x* Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan; \v 28 epi \x + \xo 7:28 \xo*\xt Esd 9:9\xt*\x* te lonje bay lanmou dous Li a mwen menm devan wa a avèk konseye li yo e devan tout chèf pwisan a wa yo. Se te konsa mwen te ranfòse pa \x + \xo 7:28 \xo*\xt Esd 5:5 \xt*\x*men SENYÈ a, Bondye mwen an, ki te sou mwen an, e mwen te rasanble mesye dirijan prensipal yo soti an Israël pou monte avè m. \c 8 \p \v 1 Alò sila yo se chèf lakay papa zansèt yo, e anrejistreman a sila ki te monte avè m soti Babylone yo nan règn Wa Artaxerxès la: \li1 \v 2 Nan fis a Phinées yo, Guerschom. \li1 Nan fis a Ithamar yo, Daniel. \li1 Nan fis a David yo, Hatthusch. \li1 \v 3 Nan fis a Schecania yo ki te nan fis a \x + \xo 8:3 \xo*\xt Esd 2:3\xt*\x*Pareosch yo, Zacharie e avèk li, san-senkant gason ki te nan chif rejis la. \li1 \v 4 Nan fis a Pachat-Moab yo, Eljoénaï, fis a Zerachja a, epi avèk li menm, de-san gason. \li1 \v 5 Nan fis a Tsatttu yo, Schecania, fis a Jachaziel la e avèk li, twa-san gason. \li1 \v 6 Nan fis a Adin yo, Ébed, fis a Jonathan an e senkant gason avèk li. \li1 \v 7 Nan fis a Élam yo, Ésaïe, fis a Athalia a e avèk li, swasann-dis gason. \li1 \v 8 Nan fis a Schephathia yo, Zebadia, fis a Micaël la e avèk li, katra-ven gason. \li1 \v 9 Nan fis a Joab yo, Abdias, fis a Jehiel la e avèk li, de-san di-zuit gason. \li1 \v 10 Nan fis Schelomith yo, fis a Josiphia yo e avèk li, san-swasant gason. \li1 \v 11 Nan fis a Bébaï yo, Zacharie, fis a Bébaï a e avèk li, venn-tuit gason. \li1 \v 12 Nan fis a Azgad yo, Jochanan, fis a Hakkathan an e avèk li, san-dis gason. \li1 \v 13 Nan fis a Adonikam yo, dènye yo, men non yo, Éliphéleth, Jeiel ak Schemaeja e avèk li, swasant gason. \li1 \v 14 Nan fis a Bigvaï yo, Uthaï ak Zabbud e avèk yo, swasann-dis gason. \p \v 15 Alò, mwen te rasanble yo akote \x + \xo 8:15 \xo*\xt Esd 8:21-31\xt*\x* rivyè ki kouri rive Ahava a, kote nou te fè kan pandan twa jou. Epi lè mwen te obsève pèp la avèk prèt yo, mwen pa t twouve okenn nan Levit yo la. \v 16 Akoz sa, mwen te voye pou chèf yo Éliézer, Ariel, Schemaeja, Elnathan, Jarib, Elnathan, Nathan, Zacharie ak Meschullam e pwofesè yo, Jojarib avèk Einathan. \v 17 Mwen te voye yo kote Iddo, chèf prensipal nan andwa Casiphia a; epi mwen te fè yo konnen kisa pou yo di Iddo avèk frè li yo, \x + \xo 8:17 \xo*\xt Esd 2:43\xt*\x* sèvitè tanp yo nan andwa Casiphia a, sa vle di pou pote sèvitè yo kote nou pou lakay Bondye pa nou an. \v 18 Selon bon men SENYÈ a sou nou, yo te mennen bannou yon \x + \xo 8:18 \xo*\xt II Kwo 30:22\xt*\x* nonm ak anpil konprann nan fis a Machli yo, fis a Lévi a, fis Israël la, ki rele Schérébia ak fis li yo avèk frè li yo, di-zuit mesye; \v 19 epi Haschabia e avèk li, Ésaïe nan fis a Merari yo, avèk frè li yo ak fis li yo, ven; \v 20 epi de-san-ven nan \x + \xo 8:20 \xo*\xt Esd 2:43\xt*\x* sèvitè tanp yo, ke David avèk chèf yo te bay pou sèvis Levit yo, tout moun ki te dezigne pa non yo. \p \v 21 Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab \x + \xo 8:21 \xo*\xt Lev 16:29\xt*\x* imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo. \v 22 Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak \x + \xo 8:22 \xo*\xt Jos 22:16\xt*\x* pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki \x + \xo 8:22 \xo*\xt II Kwo 15:2\xt*\x*abandone Li yo.” \v 23 Konsa, nou te fè jèn nan, e te chache Bondye nou konsa, e Li te \x + \xo 8:23 \xo*\xt I Kwo 5:20\xt*\x* koute sa nou te mande a. \p \v 24 Konsa, mwen te mete akote douz nan prèt prensipal yo, \x + \xo 8:24 \xo*\xt Esd 8:18-19\xt*\x* Schébéria, Haschabia ak dis nan frè yo. \v 25 Epi mwen te peze bay yo \x + \xo 8:25 \xo*\xt Esd 7:15-16\xt*\x* ajan, lò, avèk zouti, ofrann pou lakay Bondye nou an, ke wa a avèk konseye li yo ak chèf li yo avèk tout Israël prezan yo, te bay. \v 26 \x + \xo 8:26 \xo*\xt Esd 1:9-11\xt*\x* Konsa, mwen te peze mete nan men yo sis-san-senkant talan ajan, zouti an ajan ki te gen valè a san talan e anplis, san talan lò, \v 27 ven bòl an lò ki te gen valè mil darik yo, ak de zouti an bwonz klè, byen fen, presye kon lò. \v 28 Mwen te di yo: \x + \xo 8:28 \xo*\xt Lev 21:6-8\xt*\x* “Nou sen a SENYÈ la, e tout zouti yo sen. Epi ajan avèk lò a se yon ofrann bòn volonte a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo. \v 29 \x + \xo 8:29 \xo*\xt Esd 8:33-34\xt*\x* Veye e kenbe yo jiskaske nou peze yo devan prèt prensipal yo, Levit yo ak chèf an tèt lakay zansèt a Israël nou yo Jérusalem, nan chanm lakay SENYÈ yo.” \p \v 30 Konsa, prèt yo avèk Levit yo te \x + \xo 8:30 \xo*\xt Esd 1:9\xt*\x* aksepte ajan avèk lò ki te fin peze yo ak zouti yo pou pote yo Jérusalem lakay Bondye pa nou an. \p \v 31 Epi nou te vwayaje soti nan \x + \xo 8:31 \xo*\xt Esd 8:15-21\xt*\x* rivyè Ahava a nan douzyèm jou nan premye mwa a pou monte Jérusalem. Lamen Bondye nou an te sou nou, e Li te delivre nou soti nan men a lènmi yo, ak anbiskad nan chemen yo. \v 32 Konsa, \x + \xo 8:32 \xo*\xt Né 2:11\xt*\x* nou te rive Jérusalem e te rete la pandan twa jou. \v 33 Nan katriyèm jou a, ajan an avèk lò a avèk zouti ki te \x + \xo 8:33 \xo*\xt Esd 8:30\xt*\x* peze pa men a Merémoth la, fis a Urie a, prèt la, e avèk li, te gen Éléazar, fis a Phinées; epi avèk yo, te gen Levit yo, Jozabad, fis a Josué a ak Noadia, fis a Binnui a. \v 34 Tout bagay te nimewote e te peze, e tout pwa a te rekòde menm lè sa a. \p \v 35 \x + \xo 8:35 \xo*\xt Esd 2:1\xt*\x* Moun egzil ki te sòti an kaptivite yo te ofri ofrann brile a Bondye Israël la: douz towo pou tout Israël, katre-ven-sèz belye, swasann-dis-sèt jenn mouton, douz mal kabrit kon ofrann peche. Yo tout te kon yon ofrann brile a SENYÈ a. \v 36 \x + \xo 8:36 \xo*\xt Esd 7:21-24\xt*\x* Yo te livre dekrè a wa a \x + \xo 8:36 \xo*\xt Esd 4:7 \xt*\x*chèf pwovens yo, e a majistra lòtbò rivyè Jourdain an. Konsa, yo te bay soutyen a pèp la avèk lakay Bondye a. \c 9 \p \v 1 Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv\x + \xo 9:1 \xo*\xt Lev 18:24-30\xt*\x* abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo. \v 2 Paske \x + \xo 9:2 \xo*\xt Det 7:3\xt*\x* yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.” \p \v 3 Lè mwen te tande afè sila a, mwen te \x + \xo 9:3 \xo*\xt II Wa 18:37\xt*\x* chire vètman mwen. Mwen te rache cheve nan tèt mwen avèk bab mwen e mwen te vin \x + \xo 9:3 \xo*\xt Né 1:4\xt*\x*chita, dezole nèt. \v 4 Konsa, tout moun ki te tranble sou pawòl Bondye Israël la akoz enfidelite a moun egzil yo, te rasanble kote mwen. Epi mwen te chita dezole nèt jis rive nan \x + \xo 9:4 \xo*\xt Egz 29:39\xt*\x* ofrann aswè a. \p \v 5 Men nan ofrann aswè a, mwen te leve soti nan imilyasyon mwen, menm avèk rad ak manto mwen chire. Mwen te tonbe sou jenou mwen e te \x + \xo 9:5 \xo*\xt Egz 9:29\xt*\x* lonje men m kote SENYÈ a, Bondye mwen an. \v 6 Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e \x + \xo 9:6 \xo*\xt Esd 9:13-15\xt*\x* koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo. \v 7 \x + \xo 9:7 \xo*\xt II Kwo 29:6\xt*\x* Depi nan jou a papa nou yo, jis rive jodi a, nou nan gran koupabilite. Epi akoz inikite nou yo, nou menm, wa nou yo ak prèt nou yo te vin livre nan men a wa peyi yo, a nepe, an kaptivite, piyaj ak wont ki byen vizib, jis rive jodi a. \v 8 Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon \x + \xo 9:8 \xo*\xt És 22:23\xt*\x* pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab \x + \xo 9:8 \xo*\xt Sòm 13:3\xt*\x*klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an. \v 9 \x + \xo 9:9 \xo*\xt Né 9:36\xt*\x* Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem. \p \v 10 “Alò, Bondye nou an, kisa nou va di apre sa? Paske nou te abandone kòmandman Ou yo, \v 11 ke Ou te kòmande pa sèvitè Ou yo, pwofèt yo, lè Ou te di: ‘Peyi ke nou ap antre pou posede a se yon peyi ki pa pwòp avèk moun ki pa pwòp nan peyi yo, avèk abominasyon pa yo avèk sila yo te akonpli soti nan yon pwent jis rive nan yon lòt \x + \xo 9:11 \xo*\xt Esd 6:21\xt*\x* ak lempite pa yo. \v 12 Pou sa, pa \x + \xo 9:12 \xo*\xt Egz 34:15-16\xt*\x* bay fi nou yo a fis nou yo, ni pran fi pa yo pou fis pa nou, \x + \xo 9:12 \xo*\xt Det 23:6\xt*\x*pa janm chache lapè yo ak pwosperite yo, pou nou kapab kenbe kouraj nou e manje bon bagay peyi a, e lese li kon yon eritaj a fis nou yo jis pou tout tan.’ \p \v 13 “Apre tout sa ki te rive sou nou pou zak mechan nou yo ak \x + \xo 9:13 \xo*\xt Esd 9:6-7 \xt*\x* gran koupabilite nou yo, akoz Ou menm, Bondye nou an, te remèt nou mwens ke linikite nou yo merite, e te ban nou yon retay chape kon sila a, \v 14 konsa, èske nou ap ankò kraze kòmandman Ou yo, e fè maryaj ak pèp ki fè abominasyon sila yo? \x + \xo 9:14 \xo*\xt Det 9:8-14\xt*\x* Èske Ou pa t ap fache avèk nou jis nan pwen pou detwi nou, jis pa menm gen yon retay, ni okenn moun ki chape? \v 15 O SENYÈ a, Bondye Israël la, \x + \xo 9:15 \xo*\xt Né 9:33\xt*\x* Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e \x + \xo 9:15 \xo*\xt Sòm 130:3 \xt*\x*pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.” \c 10 \p \v 1 Alò, \x + \xo 10:1 \xo*\xt Dan 9:4-20\xt*\x* pandan Esdras t ap priye e t ap fè konfesyon, t ap kriye e pwostène li devan lakay Bondye a, yon trè gran asanble, gason, fanm, ni timoun, te rasanble vè li soti an Israël; paske pèp yo te kriye byen anmè. \v 2 Schecania, fis a Jehiel la, youn nan fis a Élam yo, te di Esdras: \x + \xo 10:2 \xo*\xt Esd 9:2\xt*\x* “Nou pa t fidèl a Bondye nou an. Nou te marye ak fanm etranje soti nan pèp peyi yo. Malgre, koulye a toujou gen espwa pou Israël. \v 3 Alò pou sa a, \x + \xo 10:3 \xo*\xt II Kwo 34:31\xt*\x* kite nou fè yon akò avèk Bondye nou an pou mete akote tout fanm yo avèk pitit pa yo, selon konsèy a mèt mwen an, e pou sila ki tranble sou kòmandman Bondye nou yo. Epi kite sa fèt \x + \xo 10:3 \xo*\xt Det 7:2-3\xt*\x*selon lalwa a. \v 4 Leve! Paske se ou menm ki responsab afè sila a, men nou va avèk nou. \x + \xo 10:4 \xo*\xt I Kwo 28:10\xt*\x* Pran kouraj e aji.” \p \v 5 Konsa, Esdras te leve, e te \x + \xo 10:5 \xo*\xt Né 5:12\xt*\x* fè prèt prensipal yo, Levit yo ak tout Israël sèmante pou yo ta fè selon sa ki te pwopoze a. Konsa yo te sèmante. \v 6 Epi Esdras te leve soti devan lakay Bondye a, e te antre nan chanm a Jochanan nan, fis a Éliaschib la. Malgre li te ale la, \x + \xo 10:6 \xo*\xt Det 9:18 \xt*\x* li pa t manje pen, ni bwè dlo, paske li te tèlman dezole akoz enfidelite a moun egzil yo. \v 7 Yo te fè yon dekrè nan tout Juda avèk Jérusalem a tout moun egzil yo, ke yo ta dwe rasanble Jérusalem, \v 8 epi ke nenpòt moun ki pa ta vini nan twa jou yo, selon konsèy a chèf pa yo avèk ansyen yo, tout byen li yo va konfiske e li menm ta retire nan asanble moun egzil yo. \p \v 9 Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout pèp te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap \x + \xo 10:9 \xo*\xt I Sam 12:18\xt*\x* tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a. \p \v 10 Alò, Esdras, prèt la, te kanpe epi te di yo: “Nou pa t fidèl e nou te marye avèk fanm etranje yo, ki ogmante koupabilite Israël la. \v 11 Alò, akoz sa a \x + \xo 10:11 \xo*\xt Lev 26:40\xt*\x* konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.” \p \v 12 Konsa, tout asanble a te reponn ak yon gwo vwa: “Se konsa, jan ou te di a, se devwa nou pou nou fè. \v 13 Men gen anpil moun, se sezon lapli a, e nou p ap kab kanpe deyò a. Ni tach la pa kab fèt nan youn oswa de jou, paske nou te fè anpil transgresyon nan afè sila a. \v 14 Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske \x + \xo 10:14 \xo*\xt II Wa 23:26\xt*\x* kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.” \p \v 15 Sèlman Jonathan, fis Asël la avèk Jachzia, fis a Thikva a, te opoze ak sa, avèk Meschullam avèk Schabthaï, Levit ki t ap bay yo soutyen an. \p \v 16 Men moun egzil yo te fè li konsa. Epi Esdras, prèt la, te chwazi mesye ki te chèf an tèt lakay zansèt yo pou chak kay zansèt, yo tout pa non yo. Konsa, yo te reyini nan premye jou nan dizyèm mwa a pou fè rechèch sou ka sila a. \v 17 Yo te fin fè rechèch la sou tout mesye ki te marye ak fanm etranje yo pou rive nan premye jou premye mwa a. \p \v 18 Pami fis a prèt ki te marye ak fanm etranje yo, \li1 yo te twouve fis a \x + \xo 10:18 \xo*\xt Ag 1:1-12\xt*\x* Josué yo, fis a Jotsadak la e frè li yo: Maaséja, Éliézer, Jarib, avèk Guedalia. \v 19 Yo te fè sèman pou mete akote fanm pa yo e akoz koupabilite a, \x + \xo 10:19 \xo*\xt Lev 5:15\xt*\x* yo te ofri yon belye a bann mouton an pou kouvri koupabilite yo. \li1 \v 20 Nan fis a Immer yo, te gen Hanani avèk Zebadia; \li1 \v 21 Nan fis a Harim yo, Masséja, Élie, Schemaeja, Jehiel, avèk Ozias. \li1 \v 22 Nan fis a Paschhur yo, Eljoénaï, Maaséja, Ismaël, Nethaneel, Jozabad, avèk Éleasa. \li1 \v 23 Nan Levit yo, te gen Jozabad, Schimeï, Kélaja, (sa vle di) Kelitha, Pethachja, Juda, avèk Éliézer. \li1 \v 24 Pami chantè yo, te gen Éliaschab. \li1 Pami gadyen pòtay yo: Schallum, Thélem ak Uri. \li1 \v 25 Nan Israël, nan fis a \x + \xo 10:25 \xo*\xt Esd 2:3\xt*\x* Pareosch yo: Ramia, Jizzija, Malkija, Mijamin, Éléazar, Malkija ak Benaja. \li1 \v 26 Nan fis a Élam yo: Matthania, Zacharie, Jehiel, Abdi, Jerémoth, avèk Élie. \li1 \v 27 Nan fis a Zatthu yo: Elojénaï, Éliaschib, Matthania, Jerémoth, Zabad, epi Aziza. \li1 \v 28 Nan fis a Bébaï yo: Jochanan, Hanania, Zabbaï, avèk Athlaï. \li1 \v 29 Nan fis a Bani yo: Meschullam, Malluc, Adaja, Jaschub, Scheal, avèk Ramoth. \li1 \v 30 Nan fis a Pachath-Moab yo: Adna, Kelal, Benaja, Maaséja, Matthania, Betsaleel, Binnuï avèk Manassé. \li1 \v 31 Nan fis a Harim yo: Éliézer, Jischija, Malkija, Schemaeja, Siméon. \v 32 Benjamin, Malluc avèk Schemaria. \li1 \v 33 Nan fis yo a Haschum: Matthanaï, Matthattha, Zabad, Éliphéleth, Jerémaï, Manassé avèk Schimeï. \li1 \v 34 Nan fis a Bani yo, Maadaï, Amram, Uel, \v 35 Benaja, Bédia, Keluhu, \v 36 Vania, Merémoth, Éliaschib, \v 37 Matthania, Matthanaï, Jaasaï, \v 38 Bani, Binnuï, Schimeï, \v 39 Schélémia, Nathan, Adaja, \v 40 Macnadbaï, Schaschaï, Scharaï, \v 41 Azareel, Schélémia, Schemaria, \v 42 Schallum, Amaria, avèk Joseph. \li1 \v 43 Nan fis a Nebo yo, Jeïel, Matthithia, Zabad, Zebina, Jaddaï, Joël ak Benaja. \li1 \v 44 Tout nan sila yo te marye avèk \x + \xo 10:44 \xo*\xt I Wa 11:1-3\xt*\x* fanm etranje yo e te gen nan yo ki te gen fanm avèk sila yo te fè pitit.