\id EXO \ide UTF-8 \h Egzòd \toc1 EGZÒD \toc2 Egzòd \toc3 Egz \mt1 EGZÒD \c 1 \p \v 1 Alò sa yo se \x + \xo 1:1 \xo*\xt Jen 46:8-27\xt*\x*non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo: \v 2 Ruben, Siméon, Lévi, Juda, \v 3 Isacar, Zabulon, Benjamin, \v 4 Dan, Nephthali, Gad, ak Aser. \v 5 Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te \x + \xo 1:5 \xo*\xt Jen 46:26-27\xt*\x*swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte. \p \v 6 \x + \xo 1:6 \xo*\xt Jen 50:26 \xt*\x*Joseph te mouri, ni tout frè li yo avèk tout jenerasyon sila a. \v 7 Men fis Israël yo \x + \xo 1:7 \xo*\xt Det 26:5 \xt*\x*te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo. \p \v 8 Alò yon wa tounèf ki pa te konnen Joseph te vin leve sou Égypte.\x + \xo 1:8 \xo*\xt Trav 7:18,19\xt*\x* \v 9 \x + \xo 1:9 \xo*\xt Sòm 105:24,25 \xt*\x*Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou. \v 10 Vini, annou \x + \xo 1:10 \xo*\xt Trav 7:19 \xt*\x*aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.” \p \v 11 Konsa, yo te chwazi \x + \xo 1:11 \xo*\xt Jen 13:15 \xt*\x*sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon \x + \xo 1:11 \xo*\xt I Wa 9:19\xt*\x* vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal. \v 12 Men plis ke yo t ap aflije yo, \x + \xo 1:12 \xo*\xt Egz 1:7 \xt*\x*plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi. \p Konsa Ejipsyen yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo. \v 13 Yo te vin \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jen 15:13 \xt*\x*fòse fis Israël yo travay di. \v 14 Yo te fè \x + \xo 1:14 \xo*\xt Egz 2:23\xt*\x*vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo. \p \v 15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. \v 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.” \p \v 17 Men fanm saj yo te \x + \xo 1:17 \xo*\xt Egz 1:21\xt*\x*pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv. \p \v 18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?” \p \v 19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.” \p \v 20 Alò \x + \xo 1:20 \xo*\xt Pwov 11:18\xt*\x* Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. \v 21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te \x + \xo 1:21 \xo*\xt I Sam 2:35 \xt*\x* bay yo gran fanmi yo. \v 22 Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “\x + \xo 1:22 \xo*\xt Trav 7:19 \xt*\x*Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.” \c 2 \p \v 1 Alò, yon mesye \x + \xo 2:1 \xo*\xt Egz 6:16-20 \xt*\x*lakay Lévi te marye avèk yon fi Lévi. \x + \xo 2:1 \xo*\xt Egz 6:16-20\xt*\x* \v 2 Fanm nan te vin ansent, li te fè yon fis. Lè l te wè ke li te \x + \xo 2:2 \xo*\xt Trav 7:20 \xt*\x*byen bèl, li te kache li pandan twa mwa. \v 3 Men lè li pa t kab kache li ankò, li te pran yon panyen wozo, e li te kouvri li avèk goudwon ak gòm rezen. Konsa, li te mete pitit la ladann, e te plase li pami wozo yo akote lariviyè Nil lan. \v 4 \x + \xo 2:4 \xo*\xt Egz 15:20 \xt*\x*Sè li a te kanpe nan yon distans, pou wè kisa ki kab rive li. \p \v 5 Fi a Farawon an te vin desann \x + \xo 2:5 \xo*\xt Egz 7:15 \xt*\x*pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li. \v 6 Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.” \p \v 7 Epi sè li a te di a fi Farawon an: “Èske mwen ta dwe al chache yon fanm nouris pami fanm Ebre yo pou ou pou l ka ba li tete pou ou?” \p \v 8 Epi fi a Farawon an te di li: “Ale”. Konsa, fi a te al rele manman a pitit la. \p \v 9 Epi fi a Farawon an te di li: “Pran pitit sa a ale, bay li tete pou mwen e mwen va ba ou salè ou.” \p Epi fanm nan te pran pitit la e li te bay li tete. \v 10 Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, \x + \xo 2:10 \xo*\xt Trav 7:21 \xt*\x* li te devni fis li. Li te bay li non Moïse, e li te di: “Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a.” \p \v 11 Li te vin rive nan jou sa yo ke \x + \xo 2:11 \xo*\xt Trav 7:23 \xt*\x* lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè fàdo yo. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo. \v 12 Alò li te gade toupatou e lè l pa t wè pèsòn, li te \x + \xo 2:12 \xo*\xt Trav 7:24 \xt*\x*touye li, e li te kache li nan sab la. \p \v 13 Li te sòti \x + \xo 2:13 \xo*\xt Trav 7:26-28 \xt*\x* nan pwochen jou a, e gade, de Ebre t ap goumen youn avèk lòt. Li te di a sa ki gen tò a: “Poukisa ou ap frape pwochen ou an?” \p \v 14 Men li te di: \x + \xo 2:14 \xo*\xt Jen 19:9 \xt*\x*“Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.” \p \v 15 Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. \p Men \x + \xo 2:15 \xo*\xt Trav 7:29 \xt*\x* Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi. \p \v 16 Alò, \x + \xo 2:16 \xo*\xt Egz 3:1 \xt*\x* prèt Madian an te gen sèt fi. Yo te vin rale dlo e te ranpli veso yo pou bay bann mouton papa yo dlo. \v 17 Bèje yo te vin pouse yo ale, men\x + \xo 2:17 \xo*\xt Jen 29:3-10 \xt*\x* Moïse te kanpe pou ede fi yo, e te bay bann mouton pa yo bwè. \p \v 18 Lè yo te vin kote \x + \xo 2:18 \xo*\xt Egz 3:1 \xt*\x* Réuel, papa yo, li te di: “Poukisa nou gen tan tounen tèlman vit konsa jodi a?” \p \v 19 Yo te di: “Yon Ejipsyen te delivre nou anba men a bèje yo, e anplis, li te menm rale dlo pou nou e te bay bann mouton an dlo.” \p \v 20 Li te di fi li yo: “Alò, kibò li ye? Poukisa nou te kite mesye sa a dèyè? Envite li vin manje yon bagay.” \p \v 21 Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, \x + \xo 2:21 \xo*\xt Egz 4:25 \xt*\x*Séphora a Moïse. \p \v 22 Konsa, li te bay nesans a \x + \xo 2:22 \xo*\xt Egz 4:20 \xt*\x* yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.” \p \v 23 Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, \x + \xo 2:23 \xo*\xt Det 26:7 \xt*\x* kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye. \p \v 24 Konsa, \x + \xo 2:24 \xo*\xt Egz 6:25 \xt*\x*Bondye te tande plent pa yo, epi Bondye te sonje akò Li avèk Abraham, Isaac, ak Jacob. \v 25 \x + \xo 2:25 \xo*\xt Egz 3:7 \xt*\x*Bondye te wè fis Israël yo, e Bondye te konprann. \c 3 \p \v 1 Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini \x + \xo 3:1 \xo*\xt Egz 33:6 \xt*\x* Horeb, sou mòn Bondye a. \p \v 2 \x + \xo 3:2 \xo*\xt Egz 3:4-11 \xt*\x* Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt. \p \v 3 Alò, Moïse te di: “Se fò \x + \xo 3:3 \xo*\xt Trav 7:31 \xt*\x*pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.” \p \v 4 Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, \x + \xo 3:4 \xo*\xt Egz 4:5 \xt*\x*Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” \p Li te di: “Men Mwen.” \p \v 5 Li te di: “Pa vin pre isit la. \x + \xo 3:5 \xo*\xt Jos 5:15 \xt*\x* Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.” \v 6 Li te di anplis: “\x + \xo 3:6 \xo*\xt Jen 28:13\xt*\x*Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” \p Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye. \p \v 7 SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te \x + \xo 3:7 \xo*\xt Egz 2:25 \xt*\x*wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo. \v 8 Konsa, Mwen te desann \x + \xo 3:8 \xo*\xt Jen 15:13-16 \xt*\x*pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo. \v 9 Alò, gade byen \x + \xo 3:9 \xo*\xt Egz 2:23 \xt*\x*kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a. \v 10 Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, \x + \xo 3:10 \xo*\xt Mi 6:4 \xt*\x*pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.” \p \v 11 Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?” \p \v 12 Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, \x + \xo 3:12 \xo*\xt Egz 19:2-3 \xt*\x*ou va adore Bondye sou mòn sila a.” \p \v 13 Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?” \p \v 14 Bondye te di a Moïse: \x + \xo 3:14 \xo*\xt Egz 6:3 \xt*\x* “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’” \p \v 15 Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap \x + \xo 3:15 \xo*\xt Sòm 30:4 \xt*\x*nan memwa a tout jenerasyon yo. \p \v 16 ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “\x + \xo 3:16 \xo*\xt Egz 4:31 \xt*\x*Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la. \p \v 17 “‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou \x + \xo 3:17 \xo*\xt Jos 24:11\xt*\x*Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi \x + \xo 3:17 \xo*\xt Egz 3:8\xt*\x*ki koule lèt ak myèl.’” \p \v 18 “Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj \x + \xo 3:18 \xo*\xt Egz 5:3 \xt*\x*distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’ \v 19 Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, \x + \xo 3:19 \xo*\xt Egz 6:1 \xt*\x*sof ke pa lafòs. \v 20 “Pou sa Mwen va lonje men M pou frape Égypte avèk tout \x + \xo 3:20 \xo*\xt Egz 7:3 \xt*\x*zèv etonan ke Mwen va fè nan mitan tout sa. Epi apre sa, li va kite nou ale. \p \v 21 “Mwen va bay \x + \xo 3:21 \xo*\xt Egz 11:3 \xt*\x*favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid. \v 22 Men chak fanm \x + \xo 3:22 \xo*\xt Jen 15:4 \xt*\x*va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’” \c 4 \p \v 1 Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni \x + \xo 4:1 \xo*\xt Egz 3:18 \xt*\x*koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.” \p \v 2 SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” \p Epi li te di: “\x + \xo 4:2 \xo*\xt Egz 14:17-20 \xt*\x*Yon baton.” \p \v 3 Li te di: “Jete l atè.” \p Moïse te jete l atè, e \x + \xo 4:3 \xo*\xt Egz 7:10-12 \xt*\x*li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l. \p \v 4 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.” \p Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li. \p \v 5 “Pou \x + \xo 4:5 \xo*\xt Egz 4:31 \xt*\x*yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.” \p \v 6 SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni \x + \xo 4:6 \xo*\xt Nonb 12:10 \xt*\x*lèp tankou lanèj. \p \v 7 Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, \x + \xo 4:7 \xo*\xt Nonb 12:13-15 \xt*\x*li te vin nèf tankou rès chè li. \p \v 8 “Si yo pa kwè ou ni resevwa temwayaj premye sign lan, yo ka petèt kwè temwayaj dènye sign lan. \v 9 Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan \x + \xo 4:9 \xo*\xt Egz 7:19-20 \xt*\x*va vin tounen san sou tè sèch la.” \p \v 10 Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, \x + \xo 4:10 \xo*\xt Egz 3:11 \xt*\x*mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.” \p \v 11 SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa \x + \xo 4:11 \xo*\xt Sòm 94:9 \xt*\x*kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a? \v 12 Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou \x + \xo 4:12 \xo*\xt Mat 10:19,20 \xt*\x*enstwi ou nan kisa ou gen pou di.” \p \v 13 Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.” \p \v 14 Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, \x + \xo 4:14 \xo*\xt Egz 4:27 \xt*\x*l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan. \p \v 15 “Ou gen pou pale avèk li, e \x + \xo 4:15 \xo*\xt Egz 4:12,30 \xt*\x*mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè. \v 16 “Anplis de sa, \x + \xo 4:16 \xo*\xt Egz 7:1,2 \xt*\x*li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li. \v 17 Ou va pran nan men ou baton sila a; \x + \xo 4:17 \xo*\xt Egz 9:20 \xt*\x*avèk li ou va fè sign yo.” \p \v 18 Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, \x + \xo 4:18 \xo*\xt Egz 2:21 \xt*\x*bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.” \p Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.” \p \v 19 Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske \x + \xo 4:19 \xo*\xt Egz 2:15,23 \xt*\x*tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.” \p \v 20 Moïse te pran madanm li avèk \x + \xo 4:20 \xo*\xt Egz 18:3,4 \xt*\x*fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l. \v 21 SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout \x + \xo 4:21 \xo*\xt Egz 3:20 \xt*\x*mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale. \v 22 Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: \x + \xo 4:22 \xo*\xt És 63:16 \xt*\x*Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an. \v 23 Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, \x + \xo 4:23 \xo*\xt Egz 11:5 \xt*\x*Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’” \p \v 24 Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te \x + \xo 4:24 \xo*\xt Nonb 22:22 \xt*\x*chache touye li. \v 25 Konsa, Séphora te pran yon \x + \xo 4:25 \xo*\xt Jen 17:14 \xt*\x*kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.” \v 26 Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.” \p \v 27 \x + \xo 4:27 \xo*\xt Egz 4:14 \xt*\x*Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li. \v 28 \x + \xo 4:28 \xo*\xt Egz 4:15\xt*\x*Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak \x + \xo 4:28 \xo*\xt Egz 4:8\xt*\x*tout sign ke Li te bay li lòd fè yo. \p \v 29 Alò, Moïse avèk Aaron te ale e \x + \xo 4:29 \xo*\xt Egz 3:16 \xt*\x*te reyini tout ansyen nan fis Israël yo. \v 30 Konsa, Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout \x + \xo 4:30 \xo*\xt Egz 4:1-9 \xt*\x*sign yo devan zye a pèp la. \v 31 Alò \x + \xo 4:31 \xo*\xt Egz 3:18 \xt*\x*pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li. \c 5 \p \v 1 Apre, Moïse avèk Aaron te vin di a Farawon: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, \x + \xo 5:1 \xo*\xt Egz 4:23 \xt*\x*‘Kite pèp mwen an ale pou yo kapab selebre yon fèt pou Mwen nan dezè a.’” \p \v 2 Men Farawon te di: “\x + \xo 5:2 \xo*\xt II Wa 18:35\xt*\x*Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, \x + \xo 5:2 \xo*\xt Egz 3:19\xt*\x*mwen p ap kite Israël ale.” \p \v 3 Yo te di: “\x + \xo 5:3 \xo*\xt Egz 3:18 \xt*\x*Bondye a Ebre yo te reyini avèk nou. Souple, kite nou ale fè yon vwayaj twa jou nan dezè a pou nou kapab fè yon sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an; otreman, Li va vin tonbe sou nou ak gwo maladi, oubyen nepe.” \p \v 4 Men wa a Égypte la te di yo: “Moïse avèk Aaron, poukisa nou ap rale pèp la kite travay li? Ale retounen nan \x + \xo 5:4 \xo*\xt Egz 1:11 \xt*\x*travay nou.” \p \v 5 Ankò Farawon te di: “Gade, \x + \xo 5:5 \xo*\xt Egz 1:7,9 \xt*\x*pèp la nan peyi a koulye a vin anpil, e nou ta vle fè yo sispann fè travay yo!” \p \v 6 Alò menm jou a, Farawon te kòmande \x + \xo 5:6 \xo*\xt Egz 1:1 \xt*\x*chèf kòve ki te sou pèp la avèk fòmann pa yo. Li te di yo: \v 7 “Nou p ap bay pèp la pay ankò pou fè brik jan nou te konn fè a. Kite yo ale ranmase pay pou kont yo. \v 8 “Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l. Nou pa pou redwi li menm. Paske yo se \x + \xo 5:8 \xo*\xt Egz 5:17 \xt*\x*parese! Se pou sa y ap kriye a: ‘Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’ \v 9 Kite travay la vin pi lou pou mesye yo. Kite yo travay pou yo pa swiv fo pawòl sa yo ankò.” \p \v 10 Konsa, \x + \xo 5:10 \xo*\xt Egz 1:11 \xt*\x*chèf kòve a pèp yo avèk fòmann pa yo te ale deyò pou te pale avèk pèp la. Li te di: “Konsa pale Farawon: ‘Mwen p ap bannou okenn pay. \v 11 Nou menm, ale chache pay nou pou kont nou nenpòt kote nou kab jwenn nan, men pou fòs travay nou oblije fè a, li p ap redwi.’” \p \v 12 Konsa, pèp la te gaye nan tout peyi Égypte la pou ranmase tij sereyal pou sèvi kòm pay. \v 13 Chèf Kòve yo te peze yo rèd. Yo te di: “Konplete menm fòs travay jounen ke nou te bannou an, menm jan ke lè nou te gen pay la.” \v 14 Anplis de sa, fòmann yo, fis Israël yo, ke chèf kòve Farawon yo te mete sou yo a, \x + \xo 5:14 \xo*\xt És 10:24 \xt*\x*te pran kou. Konsa yo te mande yo: “Poukisa nou pa t konplete sa ke nou te gen pou fè a, ni ayè, ni jodi a nan fè brik yo menm jan tankou avan an?” \p \v 15 Epi fòmann sou fis Israël yo te vin kriye devan Farawon. Yo te di: “Poukisa ou aji konsa avèk sèvitè ou yo? \v 16 Yo pa bay pay a sèvitè yo, men yo kontinye di nou: ‘fè brik!’ E gade byen, sèvitè ou yo pran kou, men se fot pwòp pèp pa w la.” \p \v 17 Men li te di: “Nou se parese! Nou pa travay menm! Se pou sa nou di: ‘Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’ \v 18 Alò koulye a, al travay! Paske nou p ap resevwa pay, men fòk nou konplete fòs kantite brik ke nou gen pou fè yo.” \p \v 19 Fòmann nan fis Israël yo te wè ke yo te gen gwo pwoblèm, paske li te di yo: “Nou pa pou redwi fòs kantite brik pa jou yo.” \p \v 20 Lè yo te kite prezans Farawon, yo te rankontre Moïse avèk Aaron paske yo t ap tann yo. \v 21 Yo te di yo: “\x + \xo 5:21 \xo*\xt Jen 16:5\xt*\x*Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te \x + \xo 5:21 \xo*\xt Jen 34:30\xt*\x*fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.” \p \v 22 Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “\x + \xo 5:22 \xo*\xt Nonb 11:11 \xt*\x*O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an? \v 23 Depi mwen te vin kote Farawon pou pale nan non Ou a, li te fè mechanste a pèp sila a. \x + \xo 5:23 \xo*\xt Egz 3:8 \xt*\x*Ni Ou pa t delivre pèp Ou a ditou.” \c 6 \p \v 1 SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske \x + \xo 6:1 \xo*\xt Egz 3:19,20 \xt*\x*anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.” \p \v 2 Bondye te pale plis avèk Moïse e te di li: “Mwen se \x + \xo 6:2 \xo*\xt Egz 3:14 \xt*\x*SENYÈ a. \v 3 Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm \x + \xo 6:3 \xo*\xt Jen 17:1\xt*\x*Bondye Toupwisan an, men pa pwòp \x + \xo 6:3 \xo*\xt Sòm 68:4\xt*\x*non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen. \v 4 Mwen te anplis etabli \x + \xo 6:4 \xo*\xt Jen 12:7 \xt*\x*akò Mwen avèk yo, pou bay yo peyi Canaran an, peyi kote yo te rete kon etranje. \v 5 Anplis de sa, Mwen \x + \xo 6:5 \xo*\xt Egz 2:24 \xt*\x*tande kri fis Israël yo, akoz Ejipsyen yo k ap kenbe yo nan esklavaj, e Mwen sonje akò Mwen an.” \p \v 6 “Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. \x + \xo 6:6 \xo*\xt Egz 3:17 \xt*\x*Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman. \p \v 7 “‘Alò, Mwen va pran nou \x + \xo 6:7 \xo*\xt Egz 19:5 \xt*\x*kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo. \v 8 Mwen va mennen nou nan peyi \x + \xo 6:8 \xo*\xt Jen 15:18 \xt*\x* ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’” \p \v 9 Alò Moïse te pale konsa avèk fis Israël yo, men yo pa t koute Moïse akoz dekourajman avèk esklavaj di a. \p \v 10 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 11 “\x + \xo 6:11 \xo*\xt Egz 4:22,23 \xt*\x*Ale pale Farawon, wa Égypte la, pou kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.” \p \v 12 Men Moïse te pale devan SENYÈ a e te di: “Gade byen, fis Israël yo pa t koute mwen. Alò, kijan Farawon ap koute mwen, paske mwen \x + \xo 6:12 \xo*\xt Jr 1:6 \xt*\x*manke swa nan pale?” \p \v 13 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse avèk Aaron. Li te bay yo yon lòd pou fis Israël yo ak pou Farawon, wa Égypte la pou mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la. \p \v 14 Sa yo se te chèf an tèt yo pou lakay papa yo. \x + \xo 6:14 \xo*\xt Jen 46:9 \xt*\x*Fis Ruben yo, premye ne a Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron avèk Carmi. \p \v 15 \x + \xo 6:15 \xo*\xt Jen 46:10 \xt*\x*Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin, ak Tsochar; epi Saül, fis a yon fanm Canaran. Sa yo se fanmi Siméon yo. \p \v 16 Men non a \x + \xo 6:16 \xo*\xt Jen 46:11 \xt*\x*fis Lévi yo avèk posterite pa yo: Guerschon, Kehath, ak Merari. Ane ke Lévi te viv yo se te san-trant-sèt ane. \p \v 17 \x + \xo 6:17 \xo*\xt Nonb 3:18-20 \xt*\x*Fis Guerschon yo: Libni e Schimeï selon fanmi pa yo. \p \v 18 \x + \xo 6:18 \xo*\xt Nonb 3:19 \xt*\x*Fis Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron, avèk Uziel. Ane Kehath te viv yo te de-san-trann-twa ane. \p \v 19 \x + \xo 6:19 \xo*\xt Nonb 3:20 \xt*\x*Fis Merari yo: Machli avèk Muschi. Sa yo se fanmi Lévi yo, avèk posterite pa yo. \p \v 20 \x + \xo 6:20 \xo*\xt Egz 2:1,2 \xt*\x*Amram te pran pou fanm Jokébed, tant li an; epi li te fè Aaron avèk Moïse. Ane ke Amram te viv yo te de-san-trann-sèt ane. \p \v 21 \x + \xo 6:21 \xo*\xt Nonb 16:1 \xt*\x*Fis Jitsehar yo: Koré, Népheg avèk Zicri. \v 22 \x + \xo 6:22 \xo*\xt Lev 10:4 \xt*\x*Fis Uziel yo: Mischaël, Eltsaphan ak Sithri. \p \v 23 Aaron te pran pou fanm Élischéba, fi ki pou \x + \xo 6:23 \xo*\xt Rt 4:19,20 \xt*\x*Amminidab la, sè Nachschon an; epi li te fè pou li Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar kòm pitit. \p \v 24 \x + \xo 6:24 \xo*\xt Nonb 26:11 \xt*\x*Fis Koré yo; Assir, Elkana, avèk Abiasaph. Sa yo se fanmi tribi Korit yo. \p \v 25 Éléazar, fis Aaron an, te marye ak youn nan fi Puthiel yo, e li te fè \x + \xo 6:25 \xo*\xt Nonb 25:7-13 \xt*\x*Phinées kòm pitit. Sa yo se chèf an tèt Levit yo selon fanmi pa yo. \p \v 26 Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “\x + \xo 6:26 \xo*\xt Egz 3:10 \xt*\x*Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.” \v 27 Se te menm sa yo \x + \xo 6:27 \xo*\xt Egz 5:1 \xt*\x*ki te pale avèk Farawon, wa Égypte la, pou fè yo mennen fis Israël yo sòti an Égypte. Se te menm Moïse avèk Aaron sa a. \p \v 28 Alò li te vin rive nan jou ke SENYÈ a te pale ak Moïse nan peyi Égypte la, \v 29 ke SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Mwen se SENYÈ a. \x + \xo 6:29 \xo*\xt Egz 6:11 \xt*\x*Pale ak Farawon, wa Égypte la, tout sa ke M pale ak ou yo.” \p \v 30 Men Moïse te di devan SENYÈ a: “Gade byen, lèv mwen yo \x + \xo 6:30 \xo*\xt Egz 4:10 \xt*\x*pa sikonsi. Konsa, kijan Farawon va koute mwen?” \c 7 \p \v 1 SENYÈ a te di a Moïse: \x + \xo 7:1 \xo*\xt Egz 4:16 \xt*\x*“Ou wè, Mwen fè ou vin tankou Bondye devan Farawon; epi frè ou a Aaron va pwofèt ou. \v 2 Ou va pale tout sa ke mwen te kòmande ou yo. E frè ou a, \x + \xo 7:2 \xo*\xt Egz 4:15 \xt*\x*Aaron va pale avèk Farawon pou li kite fis Israël yo ale sòti nan peyi li a. \p \v 3 “Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvè mwen yo nan peyi Égypte la. \v 4 Men Farawon an \x + \xo 7:4 \xo*\xt Egz 3:19,20 \xt*\x* pa p koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte. Mwen va mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman yo. \p \v 5 “Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen \x + \xo 7:5 \xo*\xt Egz 3:20 \xt*\x*lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.” \p \v 6 Alò, Moïse avèk Aaron te fè \x + \xo 7:6 \xo*\xt Jen 6:22 \xt*\x*jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l. \p \v 7 Moïse te gen \x + \xo 7:7 \xo*\xt Det 29:5 \xt*\x*katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an. \p \v 8 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di: \v 9 “Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: \x + \xo 7:9 \xo*\xt Egz 4:2,17 \xt*\x*Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.” \p \v 10 Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te \x + \xo 7:10 \xo*\xt Egz 4:3 \xt*\x*devni yon sèpan. \p \v 11 Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. \x + \xo 7:11 \xo*\xt Dan 2:2 \xt*\x*Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo. \v 12 Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt. \p \v 13 Men \x + \xo 7:13 \xo*\xt Egz 4:21 \xt*\x*kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a. \p \v 14 SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale. \v 15 Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, \x + \xo 7:15 \xo*\xt Egz 2:5 \xt*\x*l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an. \v 16 Ou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te voye m kote ou. Li te di: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen nan dezè a. Men, gade byen, ou pa koute jiska prezan.’” \p \v 17 Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a: gade byen, Mwen va frape dlo ki nan Nil lan avèk baton ki nan men m nan, e \x + \xo 7:17 \xo*\xt Egz 4:9 \xt*\x*li va tounen san. \v 18 \x + \xo 7:18 \xo*\xt Egz 7:21\xt*\x*Pwason ki nan Nil yo va mouri, Nil la va vin santi move, e Ejipsyen yo \x + \xo 7:18 \xo*\xt Egz 7:24\xt*\x*va twouve ke li difisil pou bwè dlo Nil lan.” \p \v 19 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e \x + \xo 7:19 \xo*\xt Egz 8:5,6,16 \xt*\x*lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san. Va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’” \p \v 20 Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e \x + \xo 7:20 \xo*\xt Sòm 78:44 \xt*\x*tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san. \v 21 Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la. \p \v 22 \x + \xo 7:22 \xo*\xt Egz 7:11 \xt*\x*Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a. \p \v 23 Alò, Farawon te vire antre lakay li. Li pa t pran sa akè. \v 24 Tout Ejipsyen yo te fouye akote larivyè Nil lan pou jwenn dlo pou yo bwè, akoz ke yo pa t kab bwè dlo larivyè Nil lan. \p \v 25 Sèt Jou te pase apre SENYÈ a te frape Nil lan. \c 8 \p \v 1 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ale kote Farawon e di li: ‘Konsa pale SENYÈ a:\x + \xo 8:1 \xo*\xt Egz 3:18 \xt*\x* Kite pèp Mwen an ale pou yo kab sèvi Mwen. \v 2 Men si ou refize kite yo ale, m ap frape tout teritwa ou a avèk krapo. \v 3 Nil lan va \x + \xo 8:3 \xo*\xt Sòm 105:30 \xt*\x*fòmante avèk krapo ki vin monte antre lakay ou, nan chanm dòmi ou, sou kabann ou, nan kay a sèvitè ou, sou pèp ou a, nan fou ou yo, ak nan veso pou fè pen yo. \v 4 Epi krapo yo va monte sou ou menm, avèk pèp ou a, avèk sèvitè ou yo.’” \p \v 5 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’” \p \v 6 Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e \x + \xo 8:6 \xo*\xt Sòm 78:45 \xt*\x*krapo te vin kouvri peyi Égypte la. \v 7 \x + \xo 8:7 \xo*\xt Egz 7:11,22 \xt*\x*Majisyen yo te fè menm bagay la avèk metye sekrè pa yo, e te fè krapo yo monte sou peyi Égypte la. \p \v 8 Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.” \p \v 9 Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.” \p \v 10 Alò li te reponn: “Demen”. \p Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke \x + \xo 8:10 \xo*\xt Egz 9:14 \xt*\x*nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, \v 11 \x + \xo 8:11 \xo*\xt Egz 8:13 \xt*\x*Krapo yo va pati kite nou, lakay nou yo ak sèvitè nou yo, ak pèp nou an'. Yo va vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.” \p \v 12 Konsa, Moïse avèk Aaron te sòti devan Farawon, e \x + \xo 8:12 \xo*\xt Egz 8:30 \xt*\x*Moïse te kriye a SENYÈ a, konsènan krapo yo avèk sila li te aflije Farawon yo. \v 13 SENYÈ a te fè selon pawòl Moïse la. Krapo yo te mouri nan kay yo, nan lakou yo, ak nan chan yo. \v 14 Yo te fè gwo pil avèk yo, e peyi a te vin santi pouriti. \v 15 Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li \x + \xo 8:15 \xo*\xt Egz 7:4 \xt*\x*pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a. \p \v 16 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’” \p \v 17 Yo te fè sa; Aaron te lonje men l avèk baton li an, li te frape pousyè tè a, e te vin gen \x + \xo 8:17 \xo*\xt Sòm 105:31 \xt*\x* ti mouch fen sou moun, ak sou bèt yo. Tout pousyè tè a te devni ti mouch nan tout peyi Égypte la. \v 18 Majisyen yo te eseye avèk metye maji pa yo pou pwodwi ti mouch fen yo, \x + \xo 8:18 \xo*\xt Egz 7:11,12 \xt*\x*men yo pa t kapab. \p Te gen ti mouch yo ni sou moun, ni sou bèt. \p \v 19 Alò, majisyen yo te di a Farawon: \x + \xo 8:19 \xo*\xt Sòm 8:3 \xt*\x* “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a. \p \v 20 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “\x + \xo 8:20 \xo*\xt Egz 7:15 \xt*\x*Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’” \v 21 “Paske si ou pa kite pèp Mwen an ale, gade byen, Mwen va voye desann gwo mouch sou sèvitè ou yo, sou pèp ou a, ak anndan lakay ou yo. Kay Ejipsyen yo va vin ranpli avèk desant mouch, ak sou tè kote yo ap viv la. \p \v 22 \x + \xo 8:22 \xo*\xt Egz 9:4,6,24 \xt*\x*“Nan jou sa a, Mwen va mete apa peyi Gosen, kote pèp Mwen an ap viv la, pou desant mouch yo pa rive la, pou ou ka konnen ke Mwen, SENYÈ a sou latè a. \v 23 Mwen va mete yon divizyon antre pèp Mwen an ak pèp pa w la. Demen sign sa a va parèt.” \p \v 24 Alò SENYÈ a te fè sa. Te vini gran desant gwo mouch nan kay Farawon an ak kay sèvitè pa li yo, e peyi a te vin \x + \xo 8:24 \xo*\xt Sòm 78:45 \xt*\x*devaste akoz desant gwo mouch yo nan tout peyi Égypte la. \p \v 25 Farawon te rele Moïse avèk Aaron. Li te di: “\x + \xo 8:25 \xo*\xt Egz 9:28 \xt*\x*Ale fè sakrifis a Bondye nou an pa anndan peyi a.” \p \v 26 Men Moïse te di: “Li pa bon pou nou fè sa, paske nou va fè sakrifis a SENYÈ a ki se \x + \xo 8:26 \xo*\xt Jen 43:32 \xt*\x*yon abominasyon pou Ejipsyen yo. Si nou fè sakrifis ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo, èske yo p ap lapide nou avèk kout wòch? \v 27 Nou dwe fè yon vwayaj \x + \xo 8:27 \xo*\xt Egz 3:18 \xt*\x*twa jou nan dezè a, pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li kòmande nou an.” \p \v 28 Farawon te di: “M ap kite nou ale, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye pa w la nan dezè a; men nou p ap prale lwen. \x + \xo 8:28 \xo*\xt Egz 8:8 \xt*\x*Priye pou Mwen.” \p \v 29 Alò, Moïse te di: “Gade byen, Mwen ap sòti devan ou, mwen va priye a SENYÈ a pou desant mouch yo sòti sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a demen; men pinga kite Farawon \x + \xo 8:29 \xo*\xt Egz 8:8,15 \xt*\x*aji an desepsyon ankò pou refize kite pèp la ale pou fè sakrifis a SENYÈ a.” \p \v 30 Alò, \x + \xo 8:30 \xo*\xt Egz 8:12 \xt*\x*Moïse te sòti devan Farawon, e li te priye a SENYÈ a. \v 31 SENYÈ a te fè jan Moïse te mande a, Li te fè desant gwo mouch yo vin disparèt sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a. Pa t gen youn ki te rete. \v 32 Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e \x + \xo 8:32 \xo*\xt Egz 4:21 \xt*\x*li pa t kite pèp la ale. \c 9 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale bò kote Farawon e pale avèk li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: \x + \xo 9:1 \xo*\xt Egz 4:23 \xt*\x*Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. \v 2 Paske \x + \xo 9:2 \xo*\xt Egz 8:2 \xt*\x*si ou refize kite yo ale, e kontinye kenbe yo, \v 3 gade byen, \x + \xo 9:3 \xo*\xt Egz 7:4 \xt*\x*men Bondye va vini avèk yon epidemi byen sevè sou bèt ki nan chan ou yo, sou cheval yo, sou bourik yo, sou chamo yo, sou twoupo yo, ak sou bann mouton yo. \v 4 \x + \xo 9:4 \xo*\xt Egz 8:22 \xt*\x*Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’” \p \v 5 SENYÈ a te etabli yon tan detèmine, e Li te di: “Demen SENYÈ a va fè bagay sa a nan peyi a.” \p \v 6 Alò, SENYÈ a te fè bagay sa a nan jou ki te vini an, e \x + \xo 9:6 \xo*\xt Egz 9:19-25 \xt*\x*tout bèt Égypte yo te mouri; men pou bèt fis Israël yo, pa gen youn ki te mouri. \p \v 7 Farawon te voye, e gade byen, pa menm youn nan bèt Israël yo pa t mouri. Men kè Farawon te vin di, e li pa t kite pèp la ale. \p \v 8 Alò SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Pran kèk men plen avèk poud chabon ki sòti nan fou kanari yo, e kite Moïse voye li vè syèl la devan zye a Farawon. \v 9 Li va vin fè yon poud fen ki kouvri tout peyi Égypte la, e li va devni \x + \xo 9:9 \xo*\xt Det 28:27 \xt*\x*gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun ni sou bèt.” \p \v 10 Alò yo te pran chabon ki sòti nan fou kanari yo, e yo te kanpe devan Farawon; epi Moïse te voye li vè syèl la, e li te devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun, ni sou bèt. \v 11 \x + \xo 9:11 \xo*\xt Egz 8:18 \xt*\x*Majisyen yo pa t kab kanpe devan Moïse akoz bouton yo, paske bouton yo te sou majisyen yo menm jan ak tout Ejipsyen yo. \p \v 12 Men \x + \xo 9:12 \xo*\xt Egz 4:21 \xt*\x*SENYÈ a te fè kè Farawon vin di, e li pa t koute yo, jan ke SENYÈ a te di a Moïse la. \p \v 13 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: \x + \xo 9:13 \xo*\xt Egz 8:20 \xt*\x*“Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. \v 14 Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, \x + \xo 9:14 \xo*\xt Egz 8:10 \xt*\x*pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè. \p \v 15 “‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè. \v 16 Men vrèman, \x + \xo 9:16 \xo*\xt Pwov 16:4 \xt*\x*pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè. \v 17 Malgre sa, ou toujou monte tèt ou kont pèp Mwen an, lè ou refize kite yo ale. \p \v 18 “‘Gade byen, vè lè sa a demen, \x + \xo 9:18 \xo*\xt Egz 9:23,24 \xt*\x*Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan. \v 19 Alò, pou sa, mennen \x + \xo 9:19 \xo*\xt Egz 9:6\xt*\x*bèt nou yo avèk nenpòt sa nou gen nan chan an anba pwoteksyon. \x + \xo 9:19 \xo*\xt Egz 9:25\xt*\x*Chak moun oswa bèt ki twouve yo nan chan an, e ki pa mennen lakay yo, lè lagrèl la vin desann sou yo, yo va mouri.’” \p \v 20 \x + \xo 9:20 \xo*\xt Pwov 13:13 \xt*\x*Sèman sila pami sèvitè Farawon yo ki te krent pawòl SENYÈ a te fè pwòp sèvitè li yo avèk bèt li yo sove ale nan kay yo. \v 21 Men sila ki pa t okipe sa yo, te kite sèvitè li yo avèk bèt li yo nan chan an. \p \v 22 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou \x + \xo 9:22 \xo*\xt Rev 16:21 \xt*\x*lagrèl kapab tonbe sou tout tè Égypte la, sou moun, sou bèt, e sou chak plan nan chan tout kote nan peyi Égypte la.” \p \v 23 Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèk\x + \xo 9:23 \xo*\xt Jen 19:24 \xt*\x*lagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la. \p \v 24 Alò te gen lagrèl, avèk dife ki te lanse, ki t ap vòltije tout tan nan mitan lagrèl la, byen sevè, jan peyi Égypte la pa t janm wè depi li te devni yon nasyon. \v 25 \x + \xo 9:25 \xo*\xt Egz 9:19 \xt*\x*Lagrèl la te frape tout sa ki te nan chan nan tout pati an Égypte, ni moun, ni bèt. Lagrèl la te frape osi chak plan nan chan an epi te chire an mòso chak bwa nan chan an. \v 26 \x + \xo 9:26 \xo*\xt Egz 8:22 \xt*\x*Sèlman nan peyi Gosen an, kote fis Israël yo te ye a, pa t gen lagrèl la. \p \v 27 Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “\x + \xo 9:27 \xo*\xt Egz 10:16,17 \xt*\x*Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan. \v 28 \x + \xo 9:28 \xo*\xt Egz 8:8,28 \xt*\x*Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.” \p \v 29 Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke \x + \xo 9:29 \xo*\xt Egz 19:5 \xt*\x*tè a se pou SENYÈ a. \v 30 Men pou ou menm, avèk sèvitè ou yo, mwen konnen ke \x + \xo 9:30 \xo*\xt És 26:10 \xt*\x*nou poko krent SENYÈ Bondye a.” \p \v 31 Alò pye koton swa yo avèk \x + \xo 9:31 \xo*\xt Rt 1:22 \xt*\x*lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen. \v 32 Men ble a avèk pitimi a pa t gate paske yo te vin mi pita. \p \v 33 \x + \xo 9:33 \xo*\xt Egz 8:12 \xt*\x*Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò. \p \v 34 Men lè Farawon te wè ke lapli avèk tonnè a te sispann, li te peche ankò, e li te andisi kè l, li menm avèk sèvitè li yo. \v 35 Kè Farawon te vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale, jan \x + \xo 9:35 \xo*\xt Egz 4:21 \xt*\x*SENYÈ a te pale ak Moïse la. \c 10 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale vè Farawon, paske \x + \xo 10:1 \xo*\xt Egz 4:21 \xt*\x*Mwen te fè kè l di, ak kè a sèvitè li yo, pou Mwen kapab fè sign sa yo selon Mwen menm pami yo, \v 2 epi \x + \xo 10:2 \xo*\xt Egz 12:26,27 \xt*\x*pou ou kapab rakonte nan zòrèy fis ou yo, ak fis a fis ou yo sa Mwen te fè Égypte, ak jan Mwen te fè sign Mwen yo pami yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ a.” \p \v 3 Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize \x + \xo 10:3 \xo*\xt I Wa 21:29 \xt*\x*imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. \p \v 4 “‘Oswa, si ou refize kite pèp Mwen an ale, gade byen, demen Mwen va mennen krikèt nan teritwa pa w la. \v 5 Yo va kouvri tout sifas latè pou pèsòn pa kab wè tè a. \x + \xo 10:5 \xo*\xt Jl 1:4 \xt*\x*Yo va anplis manje rès nan sa ki te chape yo—sa ki te rete pou ou aprè lagrèl la—e yo va manje chak bwa ki vin boujonnen pou ou nan chan an. \v 6 Konsa, kay nou yo va vin ranpli, kay a tout sèvitè nou yo, e kay a tout Ejipsyen yo, yon bagay ke ni papa nou yo, ni papa a papa nou yo pa t janm wè, depi jou ke yo te vini sou tè a, jiska jodi a.’” Konsa, li te vire kite Farawon. \p \v 7 Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou \x + \xo 10:7 \xo*\xt Egz 23:23 \xt*\x*yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye a yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?” \p \v 8 Alò, yo te \x + \xo 10:8 \xo*\xt Egz 8:8\xt*\x*mennen Moïse avèk Aaron retounen vè Farawon. Li te di yo: “\x + \xo 10:8 \xo*\xt Egz 8:25\xt*\x*Ale sèvi SENYÈ a, Bondye ou a! Kilès nan nou k ap prale yo?” \p \v 9 Moïse te di: \x + \xo 10:9 \xo*\xt Egz 12:37,38 \xt*\x* “Nou va ale avèk jenn nou yo, ak granmoun nou yo. Avèk fis nou yo ak fi nou yo, avèk bann mouton nou yo, ak twoupo nou yo. Nou va ale, paske nou oblije fè yon fèt pou onore SENYÈ a.” \p \v 10 Alò li te di yo: “Vrèman SENYÈ a avèk nou, si janmen ou wè mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou. \v 11 Se pa konsa! Ale koulye a ak mesye ki pami nou yo, pou sèvi SENYÈ a, konsi se sa menm nou vle fè.” Konsa yo te \x + \xo 10:11 \xo*\xt Egz 10:28 \xt*\x*chase yo ale kite prezans Farawon. \p \v 12 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “\x + \xo 10:12 \xo*\xt Egz 7:19\xt*\x*Lonje men ou sou peyi Égypte la pou krikèt yo, pou yo kapab vin monte sou peyi Égypte la, pou yo ka \x + \xo 10:12 \xo*\xt Egz 10:5-15\xt*\x*manje chak plan ki nan tè a, menm tout sa ke lagrèl la te kite yo.” \p \v 13 Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan. \p Epi lè li te vin maten, van lès la te pote \x + \xo 10:13 \xo*\xt Sòm 78:46 \xt*\x*krikèt yo. \v 14 \x + \xo 10:14 \xo*\xt Det 28:38 \xt*\x*Krikèt yo te vini sou tout latè an Égypte. Yo te vin rete nan tout teritwa Égypte la; yo te debòde l nèt. Pa t janm genyen fòs kantite krikèt egal a sa a, ni p ap janm genyen ankò. \v 15 Paske yo te kouvri sifas tout tè a, jiskaske latè te vin tounwa, epi yo te \x + \xo 10:15 \xo*\xt Egz 10:5 \xt*\x*manje chak plant peyi a ak tout fwi nan bwa ke lagrèl te kite yo. Konsa, anyen vèt pa t rete nan bwa yo ni plant chan yo nan tout peyi Égypte la. \p \v 16 Alò, Farawon te fè vit pou rele Moïse avèk Aaron, e li te di: “\x + \xo 10:16 \xo*\xt Egz 9:27 \xt*\x*Mwen te peche kont SENYÈ a Bondye nou an, e kont nou menm. \v 17 Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e \x + \xo 10:17 \xo*\xt Egz 8:8,28 \xt*\x*fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.” \p \v 18 \x + \xo 10:18 \xo*\xt Egz 8:30 \xt*\x*Li te sòti devan Farawon e li te fè lapriyè bay SENYÈ a. \v 19 Alò, SENYÈ a te fè van an chanje an yon van lwès byen fò ki te leve pran tout krikèt yo, e te voye yo nan Lamè Wouj. Menm yon sèl krikèt pa t rete nan tout teritwa Égypte la. \v 20 Men \x + \xo 10:20 \xo*\xt Egz 4:21 \xt*\x*SENYÈ a te fè kè Farawon an vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale. \p \v 21 Alò SENYÈ a te di Moïse: “\x + \xo 10:21 \xo*\xt Egz 9:22 \xt*\x*Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.” \p \v 22 Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon \x + \xo 10:22 \xo*\xt Sòm 105:28 \xt*\x*pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou. \v 23 Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. \x + \xo 10:23 \xo*\xt Egz 8:22 \xt*\x*Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a. \p \v 24 Alò Farawon te rele Moïse. Li te di: “Ale, sèvi SENYÈ a, men kite bann mouton avèk twoupo yo dèyè. Menm \x + \xo 10:24 \xo*\xt Egz 10:10 \xt*\x*pitit nou yo kapab ale avèk nou.” \p \v 25 Men Moïse te di: “Ou oblije osi kite nou fè sakrifis e brile ofrann, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an. \v 26 \x + \xo 10:26 \xo*\xt Egz 10:9 \xt*\x*Pou sa, bèt nou yo tou ap prale avèk nou. Pa menm youn zago k ap rete dèyè, paske nou va pran kèk nan yo pou sèvi SENYÈ a, Bondye nou an. Epi jiskaske nou rive la, nou menm pa konnen avèk kilès nan yo nou oblije sèvi SENYÈ a.” \p \v 27 Men \x + \xo 10:27 \xo*\xt Egz 4:21 \xt*\x*SENYÈ a te fè kè a Farawon vin di, e li pa t dakò kite yo ale. \v 28 Alò, Farawon te di li: “\x + \xo 10:28 \xo*\xt Egz 10:11 \xt*\x*Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.” \p \v 29 Moïse te di: “Ou gen rezon; \x + \xo 10:29 \xo*\xt Egz 11:8 \xt*\x*Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!” \c 11 \p \v 1 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Yon malè anplis Mwen va fè rive sou Farawon, ak sou Égypte; \x + \xo 11:1 \xo*\xt Egz 12:31,33,39 \xt*\x*apre sa li va kite nou sòti isit la. Lè li kite nou ale, anverite li va pouse nou ale sòti isit la nèt. \v 2 Pale koulye a pou tout moun tande, ke \x + \xo 11:2 \xo*\xt Egz 3:22 \xt*\x*chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.” \p \v 3 SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. \x + \xo 11:3 \xo*\xt Det 34:10-12 \xt*\x*Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo. \p \v 4 Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Vè \x + \xo 11:4 \xo*\xt Egz 12:29 \xt*\x*minwit M ap prale nan mitan Égypte la. \v 5 Epi \x + \xo 11:5 \xo*\xt Egz 12:12,29 \xt*\x*tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li a, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou. \v 6 Anplis de sa, va gen yon gran \x + \xo 11:6 \xo*\xt Egz 12:30 \xt*\x*kri lamantasyon jan li pa t genyen avan, ak jan li p ap janm genyen ankò. \v 7 \x + \xo 11:7 \xo*\xt Egz 8:22 \xt*\x*Men kont fis Israël yo, menm yon chen p ap jape, ni kont moun ni kont bèt, pou nou kapab konprann, jan SENYÈ a fè yon distenksyon antre Égypte avèk Israël. \p \v 8 \x + \xo 11:8 \xo*\xt Egz 12:31-33 \xt*\x*“‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho. \p \v 9 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Farawon p ap koute ou, \x + \xo 11:9 \xo*\xt Egz 7:3 \xt*\x*pou mèvèy Mwen yo kapab vin miltipliye nan peyi Égypte la.” \p \v 10 \x + \xo 11:10 \xo*\xt Egz 4:21; Egz 9:12 \xt*\x*Moïse avèk Aaron te fè tout mèvèy sa yo devan Farawon; malgre sa, SENYÈ a te fè kè l di, e li pa t kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a. \c 12 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron nan peyi Égypte la: \v 2 \x + \xo 12:2 \xo*\xt Egz 3:14 \xt*\x* “Mwa sa a va vin premye nan mwa yo pou nou. Li va premye mwa nan ane a pou nou. \p \v 3 “Pale a tout asanble Israël la, e di: ‘Nan dizyèm mwa sa a, yo chak va pran yon jenn mouton pou yo menm, selon kay pa yo, yon mouton pou chak kay. \v 4 Alò, si kay la twò piti pou yon jenn mouton, li menm avèk vwazen li ap pran youn pou kont yo, selon kantite moun ki nan yo selon sa ke chak moun ta kab manje, nou va divize jenn mouton an. \p \v 5 “‘Jenn mouton nou an va \x + \xo 12:5 \xo*\xt Lev 22:18-21 \xt*\x*yon jenn mal, ak laj yon lane, san defo. Nou ka pran li pami mouton yo, oswa kabrit yo. \v 6 Nou va kenbe li jis rive nan \x + \xo 12:6 \xo*\xt Egz 12:14,17 \xt*\x*katòzyèm jou nan menm mwa sa a, e tout asanble kongregasyon Israël la va touye li nan aswè. \v 7 \x + \xo 12:7 \xo*\xt Egz 12:22 \xt*\x*Anplis, yo va pran kèk nan san an, e mete li sou de chanbrann pòt kay la, ak sou de travès lento pòt kay la kote yo va manje li a. \p \v 8 “‘Yo va manje chè a menm nwit lan, boukannen li nan dife, e yo va manje li avèk \x + \xo 12:8 \xo*\xt Det 16:3,4\xt*\x*pen san ledven, ak zèb anmè. \v 9 Pa manje anyen nan li ki pa kwit, ni ki bouyi avèk okenn dlo, men pito ki boukannen nan dife, ni tèt li, ni janm li yo ansanm avèk \x + \xo 12:9 \xo*\xt Egz 29:13,17,22 \xt*\x*zantray li yo. \v 10 \x + \xo 12:10 \xo*\xt Egz 16:19 \xt*\x*Epi nou pa pou kite anyen nan li pou maten men nenpòt sa ki rete nan li, nan maten nou va brile li nan dife. \v 11 Alò, nou va manje li konsa: avèk senti nou mare, sapat nan pye nou ak baton nou nan men nou; epi nou va manje li byen vit—sa se \x + \xo 12:11 \xo*\xt Egz 12:13,21,27,43 \xt*\x*Pak SENYÈ a. \p \v 12 “‘Paske \x + \xo 12:12 \xo*\xt Egz 11:4,5 \xt*\x*Mwen va pase nan peyi Égypte la nan nwit lan, e Mwen va frape tout premye ne nan peyi Égypte la, ni moun, ni bèt. Epi kont tout dye an Égypte yo, Mwen va egzekite jijman—Mwen menm se SENYÈ a. \v 13 \x + \xo 12:13 \xo*\xt Eb 11:28 \xt*\x*San an va yon sign pou nou sou kay kote nou rete yo. Lè Mwen wè san an, Mwen va pase sou nou, e nanpwen touman k ap rive nou, ni detwi nou lè Mwen frape peyi Égypte la. \p \v 14 “‘Alò, \x + \xo 12:14 \xo*\xt Egz 12:6 \xt*\x*jou sa a va vin yon jou pa janm bliye pou nou, e nou va selebre li kòm yon fèt a SENYÈ a. Pami tout jenerasyon yo nou gen pou fete li kòm yon règleman k ap la pou tout tan.’” \p \v 15 \x + \xo 12:15 \xo*\xt Egz 13:6,7 \xt*\x*“Pandan Sèt jou nou va manje pen san ledven, men nan premye jou a, nou va retire tout ledven ki nan kay nou yo. Paske nenpòt moun ki manje nenpòt bagay avèk ledven depi nan premye jou a jis rive nan setyèm jou a, moun sa va koupe retire nèt de Israël. \p \v 16 “Nan \x + \xo 12:16 \xo*\xt Lev 23:7,8 \xt*\x*premye jou a nou va fè yon konvokasyon sen, e yon lòt konvokasyon sen nan setyèm jou a. P ap gen travay k ap fèt nan yo, sof sa ki oblije fèt pou manje a chak moun; se sa sèl nou kapab prepare. \p \v 17 “Nou va osi obsève \x + \xo 12:17 \xo*\xt Det 16:3-8\xt*\x*fèt Pen San Ledven an, paske nan \x + \xo 12:17 \xo*\xt Egz 12:41\xt*\x*jou sa a menm, Mwen te fè lame nou yo sòti nan peyi Égypte la. Pou sa, nou va obsève jou sa pandan jenerasyon nou yo kòm yon règleman k ap la pou tout tan. \p \v 18 \x + \xo 12:18 \xo*\xt Egz 12:2 \xt*\x*“Nan premye mwa a, nan katòzyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou va manje pen san ledven an, jiska vente-yen jou nan mwa a, lè l rive nan aswè. \v 19 Pandan sèt jou yo nou pa pou twouve ledven lakay nou paske nenpòt moun ki manje sa ki leve, \x + \xo 12:19 \xo*\xt Nonb 9:13 \xt*\x*moun sa a va vin koupe retire nèt de asanble Israël la, menm si se yon etranje, oswa yon natif peyi a. \v 20 Nou pa pou manje anyen avèk ledven. Nan tout abitasyon nou yo nou va manje pen san ledven.” \p \v 21 Alò, \x + \xo 12:21 \xo*\xt Eb 11:28\xt*\x*Moïse te rele tout ansyen Israël yo e te di yo: “Ale \x + \xo 12:21 \xo*\xt Egz 12:3\xt*\x*pran pou nou menm jenn mouton yo selon fanmi nou, e touye jenn mouton Pak la. \v 22 \x + \xo 12:22 \xo*\xt Egz 12:7 \xt*\x*Nou va pran yon pake izòp e fonse li nan san basen an, epi mete kèk nan san basen an sou de chanbrann yo avèk travès lento pòt yo. Pèsòn pa pou ale deyò pòt kay li jis rive nan maten. \v 23 Paske SENYÈ a va travèse pou frape Ejipsyen yo; epi lè Li wè san sou travès lento pòt yo, ak sou de chanbrann pòt yo, SENYÈ a va pase sou pòt la, e Li p ap kite \x + \xo 12:23 \xo*\xt I Kor 10:10 \xt*\x*destriktè a antre nan kay nou pou frape nou. \p \v 24 “Epi nou va obsève evènman sa a kòm yon règleman pou nou menm avèk pitit nou yo pou tout tan. \v 25 Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a va bannou an, jan Li te pwomèt nou an, nou va obsève sèvis sakre sila a. \p \v 26 \x + \xo 12:26 \xo*\xt Egz 10:2 \xt*\x*“Epi lè pitit nou di nou: ‘Kisa sa vle di selon sèvis sila a?’ \v 27 Nou va di: ‘Sa se yon sakrifis Pak la pou \x + \xo 12:27 \xo*\xt Egz 12:11\xt*\x*SENYÈ a ki te pase sou kay a fis Israël yo nan Égypte lè Li t ap frape Ejipsyen yo, men te epanye lakay nou.’” \p \x + \xo 12:27 \xo*\xt Egz 4:31\xt*\x*Konsa, pèp la te bese ba, e te adore. \v 28 Alò, fis Israël yo te ale fè sa, jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an, konsa yo te fè. \p \v 29 Alò li te vin rive nan \x + \xo 12:29 \xo*\xt Egz 11:4\xt*\x*minwi, \x + \xo 12:29 \xo*\xt Nonb 8:17\xt*\x*SENYÈ a te frape tout premye ne nan peyi Égypte yo, depi premye ne a Farawon ki te chita sou twòn li an, jis rive nan premye ne nan kaptif ki te nan prizon yo, e menm tout premye ne nan bèt yo. \p \v 30 Farawon te leve nan nwit lan, li ak sèvitè li yo avèk tout Ejipsyen yo. Yo te gen yon \x + \xo 12:30 \xo*\xt Egz 11:6 \xt*\x*gwo lamantasyon nan tout Égypte la, paske pa t gen kay kote moun pa t mouri. \p \v 31 Epi li te rele Moïse avèk Aaron nan nwit lan. Li te di yo: “Leve e \x + \xo 12:31 \xo*\xt Egz 8:25 \xt*\x*kite pèp mwen an, ni nou menm, ni fis Israël yo. Ale adore SENYÈ a, jan nou te di a. \v 32 Pran \x + \xo 12:32 \xo*\xt Egz 10:9,26 \xt*\x*ni bann mouton nou yo, ni twoupo nou yo, jan nou te di a, epi ale. Konsa, beni mwen tou!” \p \v 33 \x + \xo 12:33 \xo*\xt Egz 10:7 \xt*\x* Ejipsyen yo ak ijans menm, te ankouraje pèp la pou kite peyi a byen vit, paske yo te di: “Nou tout pral mouri.” \v 34 Alò pèp la te pran \x + \xo 12:34 \xo*\xt Egz 12:39 \xt*\x*pat farin ki potko leve yo, ak bòl pou petri yo byen mare nan rad yo, sou zepòl yo. \p \v 35 \x + \xo 12:35 \xo*\xt Egz 3:21,22 \xt*\x*Alò, fis Israël yo te fè selon pawòl a Moïse la, paske yo te mande nan men Ejipsyen yo, bagay ki fèt an ajan, bagay ki fèt avèk lò, avèk vètman. \v 36 Konsa, SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo, jiskaske yo te sede a demann sa a. Konsa, yo te vin \x + \xo 12:36 \xo*\xt Egz 3:22 \xt*\x*piyaje Ejipsyen yo. \p \v 37 Alò, \x + \xo 12:37 \xo*\xt Nonb 33:3,5\xt*\x*fis Israël yo te vwayaje soti nan \x + \xo 12:37 \xo*\xt Egz 17:3\xt*\x*Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun. \v 38 Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon \x + \xo 12:38 \xo*\xt Egz 17:3 \xt*\x*trè gran kantite bèt. \p \v 39 Yo te kwit pat farin ke yo te fè sòti an Égypte yo, e yo te fè gato ak pen san ledven yo. Li pa t leve, akòz ke yo te \x + \xo 12:39 \xo*\xt Egz 6:1 \xt*\x*chase sòti an Égypte, e yo pa t kab pran reta, ni yo pa t prepare okenn manje pou yo menm. \p \v 40 Alò tan ke fis Israël yo te pase an Égypte la te \x + \xo 12:40 \xo*\xt Jen 15:13,16 \xt*\x*kat-san-trant ane. \v 41 Nan fen kat-san-trant ane yo, \x + \xo 12:41 \xo*\xt Egz 12:17 \xt*\x*jis rive nan jou a menm, tout lame SENYÈ a te sòti an Égypte. \v 42 \x + \xo 12:42 \xo*\xt Egz 13:10 \xt*\x* Se yon nwit pou nou obsève pou SENYÈ a, paske li fè yo sòti nan peyi Égypte la. Nwit sa a se pou SENYÈ a, pou obsève pa tout fis Israël yo selon tout jenerasyon pa yo. \p \v 43 SENYÈ a te di a Moise avèk Aaron: “Sa se òdonans \x + \xo 12:43 \xo*\xt Nonb 9:14\xt*\x*Pak la. Okenn \x + \xo 12:43 \xo*\xt Egz 12:48\xt*\x*etranje pa pou manje li; \v 44 men \x + \xo 12:44 \xo*\xt Jen 17:12,13 \xt*\x*esklav a chak moun, achte avèk lajan, lè nou fin sikonsi li, alò, li kapab manje nan li. \v 45 Yon etranje ki rete pami nou, oswa yon sèvitè ki anplwaye, pa pou manje l. \p \v 46 “Li oblije manje nan yon sèl kay. Nou pa pou mennen okenn nan chè a andeyò kay la, \x + \xo 12:46 \xo*\xt Nonb 9:12 \xt*\x*ni nou pa pou kase okenn nan zo li. \v 47 \x + \xo 12:47 \xo*\xt Egz 12:6 \xt*\x*Tout asanble Israël la dwe obsève fèt sa a. \p \v 48 “Men \x + \xo 12:48 \xo*\xt Nonb 9:14 \xt*\x*si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li. \v 49 \x + \xo 12:49 \xo*\xt Lev 24:22 \xt*\x*Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.” \p \v 50 Alò, tout fis Israël yo te fè sa. Yo te fè sa jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse avèk Aaron an. \v 51 Epi nan menm jou sa a, SENYÈ a te mennen fis Israël yo sòti nan peyi Égypte la \x + \xo 12:51 \xo*\xt Egz 6:26 \xt*\x*selon lòd lame pa yo. \c 13 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: \v 2 “\x + \xo 13:2 \xo*\xt Egz 13:12,13,15 \xt*\x*Konsakre pou Mwen chak premye ne; premye ne pami fis Israël yo, ni lòm, ni bèt, se pou Mwen.” \p \v 3 Moïse te di a pèp la: \x + \xo 13:3 \xo*\xt Egz 12:42 \xt*\x*“Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje. \v 4 Nan jou sa a, nan \x + \xo 13:4 \xo*\xt Egz 12:2 \xt*\x*mwa Abib la, nou prepare pou nou soti. \v 5 Li va fèt ke lè SENYÈ a fè nou antre nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo, peyi ke Li te \x + \xo 13:5 \xo*\xt Egz 6:8\xt*\x*sèmante a zansèt nou yo pou bannou, yon peyi k ap koule avèk lèt ak myèl, \x + \xo 13:5 \xo*\xt Egz 12:25\xt*\x*pou nou kab obsève sèvis sakre sa a nan mwa sa a. \p \v 6 “Pandan \x + \xo 13:6 \xo*\xt Egz 12:15-20 \xt*\x*sèt jou nou va manje pen san ledven, e nan setyèm jou a va fè yon gwo fèt a SENYÈ a. \v 7 “Pen san ledven an va manje pandan tout sèt jou yo; epi \x + \xo 13:7 \xo*\xt Egz 12:19 \xt*\x*anyen avèk ledven p ap menm parèt pami nou. Ni nou p ap wè li pami nou nan tout fwontyè nou yo. \v 8 \x + \xo 13:8 \xo*\xt Egz 12:14 \xt*\x*Ou va pale fis ou a nan jou sa, e ou va di: ‘Se akoz sa ke SENYÈ a te fè pou mwen lè m te sòti an Égypte la.’ \v 9 Epi \x + \xo 13:9 \xo*\xt Egz 12:14 \xt*\x*sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte. \v 10 Pou sa nou va \x + \xo 13:10 \xo*\xt Egz 12:24,25 \xt*\x*kenbe òdonans sa a nan tan ki chwazi chak ane a. \p \v 11 “Alò li va rive lè SENYÈ a mennen ou nan peyi pèp Kanaran yo, jan \x + \xo 13:11 \xo*\xt Jen 15:18 \xt*\x*Li te sèmante bannou avèk zansèt nou yo, e bay ou li, \v 12 \x + \xo 13:12 \xo*\xt Egz 13:1,2 \xt*\x*ou va konsakre a SENYÈ a premye ne nan tout vant, ak premye ne nan chak bèt ke ou posede. Mal yo se pou SENYÈ a ke yo ye. \v 13 Men chak premye pòtre a yon bourik, ou va bay li kòm ranson avèk yon jenn mouton. Men si ou pa bay li kòm ranson, alò, ou va kase kou li, epi \x + \xo 13:13 \xo*\xt Nonb 3:46 \xt*\x*chak premye ne nan lòm pami fis ou yo ou va bay li kòm ranson. \p \v 14 “Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: \x + \xo 13:14 \xo*\xt Egz 13:3,9 \xt*\x*‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la. \v 15 Li te rive ke lè Farawon te fè tèt di sou afè kite nou ale a, ke \x + \xo 13:15 \xo*\xt Egz 12:29 \xt*\x*SENYÈ a te touye chak premye ne ki te fèt nan peyi Égypte la, ni premye ne nan lòm, ni premye ne nan bèt. Pou sa, mwen fè sakrifis a SENYÈ a, mal yo; premye pòtre a chak vant, men premye ne nan fis mwen yo, mwen ransone yo.’ \v 16 Alò \x + \xo 13:16 \xo*\xt Egz 13:9 \xt*\x*li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.” \p \v 17 Alò, lè Farawon te kite pèp la ale, Bondye pa t Mennen yo pa wout peyi Filisten yo, malgre li te toupre. Paske Bondye te di: “\x + \xo 13:17 \xo*\xt Egz 14:11,12 \xt*\x*Pèp la kab petèt chanje lide yo lè yo wè lagè, pou yo retounen an Égypte.” \p \v 18 Pou sa, Bondye te mennen pèp la bò wout dezè a vè lanmè wouj la; epi fis Israël yo te monte \x + \xo 13:18 \xo*\xt Jos 1:14 \xt*\x*byen prepare tankou yon lame pou kite peyi Égypte la. \p \v 19 Moïse te pran \x + \xo 13:19 \xo*\xt Jen 50:24,25 \xt*\x*zo Joseph yo avèk li, paske li te fè fis Israël yo sèmante solanèlman e te di: “Bondye va anverite pran swen nou, e nou va pote zo mwen yo soti isit la avèk nou.” \p \v 20 Alò yo te pati depi \x + \xo 13:20 \xo*\xt Egz 12:37 \xt*\x*Succoth pou te vin kanpe Étham akote dezè a. \p \v 21 SENYÈ a t ap prale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen pou mennen yo nan chemen an, e nan yon pilye dife pandan lannwit pou bay yo limyè pou yo ta kapab vwayaje lajounen, kon lannwit. \v 22 Li \x + \xo 13:22 \xo*\xt Né 9:19 \xt*\x*pa t retire pilye nwaj la nan lajounen, ni pilye dife a nan lannwit devan pèp la. \c 14 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 2 “Di fis Israël yo pou yo vire fè bak, e fè kan devan \x + \xo 14:2 \xo*\xt Nonb 33:7\xt*\x*Pi-Hahiroth antre \x + \xo 14:2 \xo*\xt Jr 44:1\xt*\x*Migdol ak lanmè a. Nou va fè kan devan Baal-Tsephon, anfas li, bò kote lanmè a. \v 3 Paske Farawon va di de fis Israël yo: ‘Y ap mache byen egare nan peyi a; dezè a gen tan fèmen yo ladann.’ \v 4 Konsa Mwen va andisi kè Farawon e \x + \xo 14:4 \xo*\xt Egz 14:23\xt*\x*li va kouri dèyè yo. Epi Mwen va onore pa Farawon avèk tout lame li a, e \x + \xo 14:4 \xo*\xt Egz 7:5\xt*\x*Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a.” Se konsa yo te fè. \p \v 5 Lè wa Égypte la te avèti ke pèp la te sove ale, Farawon avèk sèvitè li yo te vin gen yon chanjman kè anvè pèp la. Yo te di: “Kisa sa ye nou fin fè la a, ke nou kite Israël ale pou kite sèvis nou yo?” \v 6 Alò, li te prepare cha li, e te pran pèp li a avèk li. \v 7 Epi li te pran sis-san cha byen chwazi, ansanm ak tout lòt cha an Égypte yo avèk gwo chèf sou yo tout. \p \v 8 \x + \xo 14:8 \xo*\xt Egz 14:4 \xt*\x*SENYÈ a te andisi kè Farawon, wa Égypte la, e li te kouri dèyè fis Israël yo. Paske se ak gwo kouraj ke Israël te soti. \v 9 Konsa, Ejipsyen yo te kouri dèyè yo avèk tout cheval yo ak cha Farawon yo, chevalye li yo, avèk lame li, e yo te vin parèt sou yo kanpe bò kote lanmè a, \x + \xo 14:9 \xo*\xt Egz 14:2 \xt*\x*akote Pi-Hihroth, anfas Baal-Tsephon. \p \v 10 Pandan Farawon t ap pwoche, fis Israël yo te gade, e vwala, Ejipsyen yo t ap mache dèyè yo. \x + \xo 14:10 \xo*\xt Jos 24:7 \xt*\x*Yo te vin pè anpil, epi fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a. \v 11 Alò \x + \xo 14:11 \xo*\xt Egz 5:21 \xt*\x*yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte? \v 12 Èske se pa pawòl ke nou te pale ou an Égypte la lè nou te di: ‘Pa deranje nou pou nou ka sèvi Ejipsyen yo?’ Paske li t ap pi bon pou nou pou sèvi Ejipsyen yo pase pou nou ta mouri nan dezè a.” \p \v 13 Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè \x + \xo 14:13 \xo*\xt Egz 14:30 \xt*\x*delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè. \v 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan \x + \xo 14:14 \xo*\xt És 30:15 \xt*\x*nou rete an silans.” \p \v 15 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Poukisa w ap kriye ban Mwen konsa? Di pèp la avanse. \v 16 Epi pou ou menm, leve \x + \xo 14:16 \xo*\xt Egz 4:17,20 \xt*\x*baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. \v 17 Pou Mwen, gade byen, \x + \xo 14:17 \xo*\xt Egz 14:4,8 \xt*\x*Mwen va fè kè Ejipsyen yo di pou yo kouri antre dèyè yo. Konsa, Mwen va jwenn onè sou Farawon an avèk tout lame li ak cha li yo avèk kavalye li yo. \v 18 \x + \xo 14:18 \xo*\xt Egz 14:25 \xt*\x*Alò, Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen vin onore pa Farawon, pa cha li yo, ak kavalye li yo.” \p \v 19 \x + \xo 14:19 \xo*\xt Egz 13:21,22 \xt*\x*Zanj Bondye a ki t ap prale devan kan Israël la te vin deplase e te kanpe dèyè yo; epi pilye nwaj la te deplase kite devan yo, pou te kanpe dèyè yo. \v 20 Alò li te vin divize kan Égypte la ak kan Israël la. Te gen nwaj la ansanm avèk tenèb la, men li te bay limyè nan nwit lan. Konsa youn pa t pwoche lòt pandan tout nwit lan. \p \v 21 Alò Moïse te lonje men l sou lanmè a; epi SENYÈ a te bale lanmè a pa yon van lès byen fò tout lannwit. Li te fè lanmè a vin tounen tè sèch, e \x + \xo 14:21 \xo*\xt Egz 15:8\xt*\x*dlo a te vin fann. \v 22 Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e \x + \xo 14:22 \xo*\xt Egz 14:29 \xt*\x*dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo. \p \v 23 Alò, \x + \xo 14:23 \xo*\xt Egz 14:4,17\xt*\x*Ejipsyen yo te vin kouri dèyè yo, e tout cheval Farawon, avèk cha li yo, avèk kavalye li yo te antre kouri dèyè yo nan mitan lanmè a. \p \v 24 A la vèy nan maten, \x + \xo 14:24 \xo*\xt Egz 13:21 \xt*\x*SENYÈ a te gade anba sou lame Ejipsyen yo, sou pilye a dife avèk nwaj yo, e Li te mennen lame Ejipsyen an nan yon gwo konfizyon. \v 25 Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske \x + \xo 14:25 \xo*\xt Egz 14:4,14,18 \xt*\x*SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.” \p \v 26 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “\x + \xo 14:26 \xo*\xt Egz 14:16 \xt*\x*Lonje men ou sou lanmè a pou dlo a kab retounen vin sou Ejipsyen yo, sou cha yo, ak sou kavalye yo.” \p \v 27 Alò, Moise te lonje men li sou lanmè a, e \x + \xo 14:27 \xo*\xt Jos 4:18 \xt*\x*lanmè a te retounen nan eta nòmal li nan granmmaten, pandan Ejipsyen yo t ap sove ale tou kontra li. Konsa, SENYÈ a te boulvèse Ejipsyen yo nan mitan lanmè a. \v 28 Dlo a te retounen e te kouvri cha yo avèk kavalye yo, e menm tout lame Farawon \x + \xo 14:28 \xo*\xt Sòm 78:53 \xt*\x* ki te antre nan lanmè a dèyè yo. Pa t menm gen youn nan yo ki te rete. \p \v 29 Men fis Israël yo te mache sou tè \x + \xo 14:29 \xo*\xt Egz 14:22 \xt*\x*sèch pase nan mitan lanmè a, e dlo a te vin tankou yon mi pou yo ni sou men dwat yo ni sou men goch yo. \v 30 Konsa, SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a nan men a Ejipsyen yo, e Israël te \x + \xo 14:30 \xo*\xt Sòm 58:10 \xt*\x*wè Ejipsyen yo ki te mouri sou bò lanmè a. \p \v 31 Lè Israël te wè gran pwisans ke SENYÈ a te sèvi kont Ejipsyen yo, tout Pèp la te krent SENYÈ a, e \x + \xo 14:31 \xo*\xt Sòm 106:12 \xt*\x*yo te kwè nan SENYÈ a ak sèvitè li a, Moïse. \c 15 \p \v 1 \x + \xo 15:1 \xo*\xt Sòm 106:12 \xt*\x*Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di: \q1 “Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonnan. \q1 Cheval la avèk moun ki monte l la, \q1 Li te voye yo nan lanmè. \q1 \v 2 \x + \xo 15:2 \xo*\xt Hab 3:18\xt*\x*“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen \q1 epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. \q1 Sa se Bondye pa m, \q1 e mwen va louwe Li; \q1 Bondye a papa m nan, \q1 e mwen va \x + \xo 15:2 \xo*\xt És 25:1\xt*\x*leve Li wo. \q1 \v 3 SENYÈ a se yon gèrye; \q1 Se SENYÈ yo rele L. \x + \xo 15:3 \xo*\xt Egz 3:15\xt*\x* \q1 \v 4 \x + \xo 15:4 \xo*\xt Egz 14:6,7,17,28; Rev 19:11 \xt*\x*Cha Farawon yo avèk lame l lan, \q1 Li te voye yo nan lanmè. \q1 Pi bon pami chèf li yo te plonje \q1 mouri nan Lanmè Wouj. \q1 \v 5 Fon yo kouvri yo. \q1 \x + \xo 15:5 \xo*\xt Egz 15:10 \xt*\x*Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch. \q1 \v 6 Men dwat Ou, SENYÈ, \q1 ranpli ak majeste avèk pwisans. \q1 \x + \xo 15:6 \xo*\xt Sòm 118:15,16 \xt*\x*Men dwat Ou, O SENYÈ, \q1 vin dechire lènmi an nèt. \q1 \v 7 Ak tout grandè Ou, \q1 Ou te ranvoye tout sa yo \q1 ki leve kontra Ou. \q1 Ou te voye lakolè ou deyò. \q1 Li te brile yo nèt kon pay. \q1 \v 8 Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou \q1 kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil. \q1 Dlo k ap koule a te \x + \xo 15:8 \xo*\xt Sòm 78:13 \xt*\x*vin kanpe tankou yon miray. \q1 Fon yo te vin koule nan kè lanmè a. \q1 \v 9 \x + \xo 15:9 \xo*\xt Egz 14:5,8,9 \xt*\x*Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo. \q1 Mwen va divize richès yo. \q1 Volonte m kont yo va satisfè. \q1 Mwen va rale nepe mwen. \q1 Se men m k ap detwi yo.” \q1 \v 10 Ou te soufle avèk van Ou. \q1 Lanmè a te vin kouvri yo. \q1 Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo\x + \xo 15:10 \xo*\xt Egz 15:5\xt*\x* \q1 \v 11 Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? \q1 Kilès ki tankou Ou? \q1 Kilès ki tankou ou \q1 nan majeste ak sentete, \q1 etonan nan lwanj, \q1 \x + \xo 15:11 \xo*\xt Sòm 72:18 \xt*\x*k ap fè mèvèy yo? \q1 \v 12 \x + \xo 15:12 \xo*\xt Egz 15:6 \xt*\x*Ou te lonje men dwat Ou; \q1 Lanmè a te vale yo. \q1 \v 13 Nan lanmou ak mizerikòd Ou, \q1 Ou te \x + \xo 15:13 \xo*\xt Sòm 77:20\xt*\x*mennen pèp ke Ou te \x + \xo 15:13 \xo*\xt Egz 15:16\xt*\x*ransone. \q1 Nan pwisans Ou an, \q1 Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a. \q1 \v 14 \x + \xo 15:14 \xo*\xt Det 2:25 \xt*\x*Lòt nasyon pèp yo te tande. \q1 Y ap tranble. \q1 Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo. \q1 \v 15 Epi chèf Édom yo vin sezi. \q1 \x + \xo 15:15 \xo*\xt Nonb 22:3,4\xt*\x*Gèrye nan Moab yo pran tranble. \q1 \x + \xo 15:15 \xo*\xt Jos 2:9,11,24\xt*\x*Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt. \q1 \v 16 Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. \q1 \x + \xo 15:16 \xo*\xt Egz 15:5,6\xt*\x*Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch; \q1 jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ, \q1 Jis lè pèp ke Ou te \x + \xo 15:16 \xo*\xt Sòm 74:2\xt*\x*ransone a vin janbe. \q1 \v 17 Ou va mennen yo antre, \q1 e plante yo nan \x + \xo 15:17 \xo*\xt Sòm 2:6\xt*\x*gwo mòn eritaj pa Ou a, \q1 plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a, \q1 \x + \xo 15:17 \xo*\xt Sòm 78:69\xt*\x*lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a. \q1 \v 18 SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.” \p \v 19 Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan \x + \xo 15:19 \xo*\xt Egz 14:22,29 \xt*\x*tè sèch nan mitan lanmè a. \p \v 20 \x + \xo 15:20 \xo*\xt Egz 2:4 \xt*\x*Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. \v 21 Marie te reponn yo: \q1 \x + \xo 15:21 \xo*\xt Egz 15:1 \xt*\x*“Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo. \q1 Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.” \p \v 22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan \x + \xo 15:22 \xo*\xt Nonb 33:8\xt*\x*dezè \x + \xo 15:22 \xo*\xt Jen 16:7\xt*\x*Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. \v 23 Lè yo rive nan \x + \xo 15:23 \xo*\xt Nonb 33:8 \xt*\x*Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. \v 24 Alò, pèp la te \x + \xo 15:24 \xo*\xt Egz 14:11 \xt*\x*plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?” \p \v 25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous. \p La menm, Li te \x + \xo 15:25 \xo*\xt Jos 24:25\xt*\x*fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo \x + \xo 15:25 \xo*\xt Egz 16:4\xt*\x*pase a leprèv. \v 26 Li te di: \x + \xo 15:26 \xo*\xt Det 7:12\xt*\x*“Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a \x + \xo 15:26 \xo*\xt Egz 20:2-7\xt*\x*kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.” \p \v 27 Alò, yo te rive nan \x + \xo 15:27 \xo*\xt Nonb 33:9 \xt*\x*Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a. \c 16 \p \v 1 Alò, yo te kite Élim, e tout asanble fis Israël yo te vini nan dezè \x + \xo 16:1 \xo*\xt Nonb 33:10,11 \xt*\x*Sin, ki te antre Élim ak Sinai an. Sa te fèt nan kenzyèm jou dezyèm mwa apre depa yo nan peyi Égypte la. \p \v 2 Konsa, tout asanble fis Israël yo te \x + \xo 16:2 \xo*\xt Sòm 106:25 \xt*\x*plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a. \v 3 Fis Israël yo te di yo: “Pito ke nou te mouri pa men SENYÈ a nan peyi Égypte la \x + \xo 16:3 \xo*\xt Nonb 11:4,5 \xt*\x*pandan nou t ap chita akote chodyè vyann yo, pandan nou t ap manje pen jis nou vin plen. Men ou mennen nou deyò nan dezè sila a pou touye tout asanble a avèk grangou.” \p \v 4 Alò, SENYÈ a te di Moïse: “Gade byen, Mwen va vide pen sòti nan syèl la tankou lapli pou nou. Epi pèp la va sòti chak jou pou ranmase sa ki kont pou jounen an, pou Mwen kapab fè yo pase \x + \xo 16:4 \xo*\xt Egz 15:25 \xt*\x* a leprèv; pou M wè si yo va mache nan enstriksyon Mwen yo. \v 5 \x + \xo 16:5 \xo*\xt Egz 16:22 \xt*\x*Nan sizyèm jou a, lè yo prepare sa ke yo fè antre, li va doub sa ke yo konn pran pa jou yo.” \p \v 6 Alò, Moïse avèk Aaron te di a tout fis Israël yo: “Nan aswè \x + \xo 16:6 \xo*\xt Egz 6:7 \xt*\x*nou va rekonèt ke SENYÈ a te mennen nou sòti nan peyi Égypte la. \v 7 Nan maten a nou va wè \x + \xo 16:7 \xo*\xt És 35:2 \xt*\x*glwa SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo kont SENYÈ a. Epi kisa nou ye pou nou ta plenyen kont nou?” \p \v 8 Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo \x + \xo 16:8 \xo*\xt I Sam 8:7 \xt*\x*pa kont nou, men kont SENYÈ a.” \p \v 9 Alò Moïse te di a Aaron: “Pale a tout asanble fis Israël yo, \x + \xo 16:9 \xo*\xt Nonb 16:16 \xt*\x*‘Rapwoche nou devan SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo.’” \p \v 10 Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, \x + \xo 16:10 \xo*\xt Egz 13:21 \xt*\x*glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la. \p \v 11 Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: \v 12 “Mwen tande plent a fis Israël yo. Pale ak yo pou di: ‘Nan aswè avan li fènwa, nou va manje vyann, e nan maten, nou va vin plen avèk pen. Konsa, \x + \xo 16:12 \xo*\xt Egz 6:7 \xt*\x*nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’” \p \v 13 Alò, li vin rive nan aswè ke \x + \xo 16:13 \xo*\xt Sòm 78:27-29 \xt*\x*zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten an te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an. \v 14 \x + \xo 16:14 \xo*\xt Nonb 11:7-9 \xt*\x*Lè kouch lawouze a te disparèt, gade, sou sifas dezè a, te gen yon bagay ki te sanble yon ti kal byen fen, ki sanble frechè lawouze sou tè a. \v 15 Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa sa ye?” Paske yo pa t konnen kisa sa li te ye. \p Epi Moïse te di yo: \x + \xo 16:15 \xo*\xt Jn 6:31 \xt*\x*“Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje. \v 16 Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje. Nou va pran \x + \xo 16:16 \xo*\xt Egz 16:32-36 \xt*\x*yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’” \p \v 17 Fis Israël yo te fè sa, kèk te pran plis, e kèk te pran mwens. \v 18 Lè yo te mezire li avèk yon omè, \x + \xo 16:18 \xo*\xt II Kor 8:15 \xt*\x*sa ki te pran anpil yo pa t gen twòp, ni sa ki te pran piti yo pa t manke. Chak moun te ranmase sa ke li te dwe manje. \p \v 19 Moïse te di yo: “\x + \xo 16:19 \xo*\xt Egz 12:10 \xt*\x*Pa kite pèsòn konsève anyen ladann pou rive demen.” \p \v 20 Men yo pa t koute Moïse. Kèk nan yo te kite yon pati pou maten. Konsa, li te kale vè, e te vin rans. Moïse te fache avèk yo. \p \v 21 Yo te ranmase li chak jou, chak moun selon sa li ta dwe manje. Men lè solèy la te vin cho, li te vin fann. \v 22 \x + \xo 16:22 \xo*\xt Egz 16:5 \xt*\x*Alò nan sizyèm jou a, yo te pran doub fòs pen, de omè pou chak moun. Tout dirijan asanble yo te fè rapò sa a Moïse. \p \v 23 Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: \x + \xo 16:23 \xo*\xt Jen 2:3 \xt*\x*‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’” \p \v 24 Alò, yo te mete li akote jis rive nan maten, jan Moïse te kòmande a, e \x + \xo 16:24 \xo*\xt Egz 16:20 \xt*\x*li pa t vin kanni, ni li pa t gen okenn vè ladann. \v 25 Moïse te di: “Manje li jodi a, paske jodi a se yon Saba a SENYÈ a. Jodi a nou p ap twouve li nan chan an. \v 26 \x + \xo 16:26 \xo*\xt Egz 20:9,10 \xt*\x*Sis jou nou va pran li, men nan setyèm jou a, jou Saba a, p ap genyen okenn.” \p \v 27 Li te rive nan setyèm jou a, ke kèk nan moun yo te ale pran, men yo pa t twouve menm. \p \v 28 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: \x + \xo 16:28 \xo*\xt II Wa 17:14 \xt*\x* “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo? \v 29 Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.” \v 30 Pou sa, pèp Israël la te poze nan setyèm jou a. \p \v 31 \x + \xo 16:31 \xo*\xt Nonb 11:7-9 \xt*\x*Lakay Israël te nonmen li lamàn. Li te tankou grenn koryandè, blan avèk yon gou tankou gato avèk siwo myèl. \p \v 32 Alò, Moïse te di: “Men Sa ke SENYÈ a te kòmande, ‘Kite yon omè ladann pami tout jenerasyon yo pou yo kapab wè pen ke Mwen te bannou nan dezè a, lè Mwen te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.’” \p \v 33 Moïse te di a Aaron: \x + \xo 16:33 \xo*\xt Eb 9:4 \xt*\x*“Pran yon bokal, mete yon omè plen lamàn ladann, epi plase li devan SENYÈ a pou kenbe li pandan tout jenerasyon nou yo.” \p \v 34 Jan SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa Aaron te plase li devan \x + \xo 16:34 \xo*\xt Egz 25:16,21 \xt*\x*temwen an, pou l konsève. \v 35 \x + \xo 16:35 \xo*\xt Det 8:2 \xt*\x*Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja. Yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an. \p \v 36 Alò, yon \x + \xo 16:36 \xo*\xt Egz 16:16 \xt*\x*Omè se yon dizyèm pati a yon efa. \c 17 \p \v 1 Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè \x + \xo 17:1 \xo*\xt Nonb 33:12\xt*\x*Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan \x + \xo 17:1 \xo*\xt Egz 19:2\xt*\x*Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè. \v 2 Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” \p Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? \x + \xo 17:2 \xo*\xt Det 6:16 \xt*\x*Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?” \p \v 3 Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te \x + \xo 17:3 \xo*\xt Egz 16:2,3\xt*\x*plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak \x + \xo 17:3 \xo*\xt Egz 12:38\xt*\x*bèt nou yo avèk swaf.” \p \v 4 Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? \x + \xo 17:4 \xo*\xt Nonb 14:10 \xt*\x*Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.” \p \v 5 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. \x + \xo 17:5 \xo*\xt Egz 3:16,18; Egz 7:20\xt*\x* Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.” \v 6 Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch \x + \xo 17:6 \xo*\xt Egz 3:1; Nonb 20:10,11\xt*\x*Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo. \v 7 Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a \x + \xo 17:7 \xo*\xt Nonb 14:22 \xt*\x*leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?” \p \v 8 Alò, \x + \xo 17:8 \xo*\xt Jen 36:12 \xt*\x*Amalèk te vin goumen kont Israël nan Rephidim. \v 9 Konsa, Moïse te di a \x + \xo 17:9 \xo*\xt Egz 24:13 \xt*\x*Josué: “Chwazi mesye yo pou nou, e sòti pou batay kont Amalèk. Demen mwen va vin estasyone Mwen menm nan do kolin nan avèk \x + \xo 17:9 \xo*\xt Egz 4:20\xt*\x*baton a Bondye a nan men m.” \p \v 10 Josué te fè jan Moïse te mande li fè a, e li te goumen kont Amalèk. Epi Moïse, Aaron, avèk \x + \xo 17:10 \xo*\xt Egz 24:14 \xt*\x*Hur te monte anwo tèt do kolin nan. \v 11 Konsa, li te vin rive ke lè Moïse te leve men l, pèp Israël la te vin genyen, men lè li te kite men l desann, Amalèk te vin genyen. \p \v 12 Men men Moïse te vin lou. Pou sa a, yo te pran yon wòch, yo te mete li anba li, e li te chita sou li. Aaron avèk Hur te bay men li \x + \xo 17:12 \xo*\xt És 35:3 \xt*\x*soutyen, youn sou yon bò, e lòt la sou lòt bò a. Konsa men li te rete dyanm jis rive lè solèy la te vin kouche. \v 13 Epi Josué te bat Amalèk avèk pèp li a avèk lam nepe. \p \v 14 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “\x + \xo 17:14 \xo*\xt Egz 24:4 \xt*\x*Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.” \p \v 15 Moïse te bati yon \x + \xo 17:15 \xo*\xt Egz 24:4 \xt*\x*lotèl e te nonmen li: “SENYÈ a Se Drapo mwen.” \v 16 Li te di: \x + \xo 17:16 \xo*\xt Jen 22:16 \xt*\x*“SENYÈ a te sèmante: SENYÈ a va fè lagè kont Amalèk de jenerasyon an jenerasyon.” \c 18 \p \v 1 Alò \x + \xo 18:1 \xo*\xt Egz 2:16,18 \xt*\x*Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte. \p \v 2 Jéthro, bòpè Moïse la, te pran \x + \xo 18:2 \xo*\xt Egz 2:21 \xt*\x*Séphora, madanm a Moïse la apre li te fin voye li ale, \v 3 ansanm avèk \x + \xo 18:3 \xo*\xt Egz 2:22 \xt*\x*de fis li yo. Youn nan yo te nonmen Guerschom, paske Moïse te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.” \v 4 Lòt la te nonmen \x + \xo 18:4 \xo*\xt I Kwo 23:15\xt*\x*Eliézer, paske li te di: \x + \xo 18:4 \xo*\xt Jen 49:25\xt*\x*“Bondye a papa m nan te ed mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.” \p \v 5 Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote \x + \xo 18:5 \xo*\xt Egz 3:1,12 \xt*\x*mòn Bondye a. \v 6 Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.” \p \v 7 Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te \x + \xo 18:7 \xo*\xt Jen 43:27 \xt*\x*mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la. \p \v 8 Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan \x + \xo 18:8 \xo*\xt Egz 15:6,16 \xt*\x*SENYÈ a te delivre yo. \p \v 9 Jéthro te rejwi de tout \x + \xo 18:9 \xo*\xt És 63:7-14 \xt*\x*bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo. \v 10 Konsa, Jéthro te di: “\x + \xo 18:10 \xo*\xt Jen 14:20 \xt*\x*Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo. \v 11 Koulye a mwen konnen ke \x + \xo 18:11 \xo*\xt Sòm 95:3 \xt*\x*SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.” \p \v 12 \x + \xo 18:12 \xo*\xt Jen 31:54 \xt*\x*Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye. \p \v 13 Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten a rive jis aswè. \p \v 14 Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?” \p \v 15 Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou \x + \xo 18:15 \xo*\xt Nonb 9:6,8 \xt*\x*fè demann pou jijman Bondye. \v 16 Depi yo gen \x + \xo 18:16 \xo*\xt Egz 24:14 \xt*\x*kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.” \p \v 17 Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon. \v 18 \x + \xo 18:18 \xo*\xt Nonb 11:14,17 \xt*\x*Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. \x + \xo 18:18 \xo*\xt Det 1:9\xt*\x*Ou p ap kapab fè l pou kont ou. \p \v 19 “Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va \x + \xo 18:19 \xo*\xt Nonb 27:5 \xt*\x*mennen dispit yo devan Bondye. \v 20 \x + \xo 18:20 \xo*\xt Det 1:18\xt*\x*Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan \x + \xo 18:20 \xo*\xt Sòm 143:8\xt*\x*chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a. \p \v 21 “Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, \x + \xo 18:21 \xo*\xt Trav 6:3\xt*\x*mesye ki kapab yo ki \x + \xo 18:21 \xo*\xt Jen 42:18\xt*\x*gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis. \v 22 Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo. \p “Konsa li va pi fasil pou ou, e \x + \xo 18:22 \xo*\xt Nonb 11:17 \xt*\x*yo va pote chaj la avèk ou. \v 23 Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.” \p \v 24 Alò Moïse te koute bòpè li, e li te fè tout sa ke li te di yo. \v 25 Moïse te chwazi \x + \xo 18:25 \xo*\xt Egz 18:21 \xt*\x*mesye avèk kapasite pami tout Israël, e li te fè yo chèf sou pèp la, chèf sou dè milye, chèf sou dè santèn, chèf sou dè senkantèn, e sou dè dizèn. \v 26 Yo te jije pèp la nan tout tan. \x + \xo 18:26 \xo*\xt Egz 18:22 \xt*\x*Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo. \p \v 27 Konsa, Moïse te \x + \xo 18:27 \xo*\xt Nonb 10:29,30 \xt*\x*di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li. \c 19 \p \v 1 Nan twazyèm mwa apre fis Israël yo te soti nan peyi Égypte la, nan jou sa a menm, yo te vin antre nan dezè \x + \xo 19:1 \xo*\xt Det 1:6 \xt*\x*Sinaï a. \v 2 Lè yo te pati soti \x + \xo 19:2 \xo*\xt Egz 17:1 \xt*\x*Rephidim, yo te vini nan dezè Sinaï a. Yo te fè kan nan dezè a. Se la Israël te fè kan devan mòn lan. \p \v 3 Moïse te monte vè Bondye. \x + \xo 19:3 \xo*\xt Egz 3:4 \xt*\x*SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo: \v 4 ‘Nou menm, nou te wè sa ke Mwen te fè Ejipsyen yo, jan Mwen te pote nou sou zèl \x + \xo 19:4 \xo*\xt Det 32:11 \xt*\x*èg yo, e te mennen nou kote Mwen menm. \v 5 Alò, koulye a, \x + \xo 19:5 \xo*\xt Det 5:21\xt*\x*si nou obeyi vwa Mwen, e \x + \xo 19:5 \xo*\xt Sòm 78:10\xt*\x*kenbe akò Mwen, alò nou va pwòp posesyon pa M pami tout pèp yo. Paske tout latè se pou Mwen. \v 6 Konsa, nou va pou Mwen, yon \x + \xo 19:6 \xo*\xt Rev 1:6\xt*\x*wayòm prèt yo, e \x + \xo 19:6 \xo*\xt És 62:12\xt*\x*yon nasyon ki sen.’ Sa yo se pawòl ke ou va pale a fis Israël yo.” \p \v 7 \x + \xo 19:7 \xo*\xt Egz 4:29,30 \xt*\x*Se konsa Moïse te vini, e te rele ansyen pami pèp yo. Konsa, li te plase devan yo tout pawòl sa yo ke SENYÈ a te kòmande li. \v 8 \x + \xo 19:8 \xo*\xt Egz 4:31 \xt*\x*Tout pèp la te reponn ansanm. Yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a te pale yo, nou va fè yo!” Epi Moïse te mennen retounen tout pawòl a pèp yo devan SENYÈ a. \p \v 9 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, Mwen va vini kote ou nan yon nwaj byen fonse, pou \x + \xo 19:9 \xo*\xt Det 4:12,36 \xt*\x*pèp la kapab tande lè M pale avèk ou, e pou yo kapab kwè nan ou pou tout tan.” \p Alò, Moïse te di SENYÈ a pawòl a pèp la. \p \v 10 SENYÈ a anplis te di a Moïse: “Ale vè pèp la, \x + \xo 19:10 \xo*\xt Lev 11:44,45 \xt*\x*konsakre yo jodi a avèk demen, e kite yo lave vètman yo; \v 11 epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan \x + \xo 19:11 \xo*\xt Egz 19:16 \xt*\x*twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la. \p \v 12 “Ou va fè bòn limit pou pèp toutotou yo. Ou va di yo: ‘Gade byen pou nou pa monte sou mòn nan, ni touche rebò li. \x + \xo 19:12 \xo*\xt Eb 12:20 \xt*\x*Nenpòt moun ki touche mòn nan va anverite mete a lanmò. \v 13 Nanpwen men k ap mete sou moun sa a, men \x + \xo 19:13 \xo*\xt Eb 12:20 \xt*\x*li va anverite lapide oswa frennen nèt; menm si se moun oswa bèt, li p ap viv.’ Lè twonpèt kòn lan fè yon gwo son, yo va monte vè mòn nan.” \p \v 14 Epi Moïse te desann mòn nan vè pèp la. Li te konsakre pèp la, e yo te lave vètman yo. \v 15 Li te di a pèp la: “Mete ou prè pou twazyèm jou a; pa pwoche pre fanm.” \p \v 16 Konsa, \x + \xo 19:16 \xo*\xt Eb 12:18,19,21 \xt*\x*li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble. \v 17 Epi Moïse te mennen pèp la sòti nan kan an pou rankontre Bondye. Yo te kanpe nan pye mòn nan. \p \v 18 \x + \xo 19:18 \xo*\xt Det 4:11 \xt*\x*Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans. \p \v 19 Lè son twonpèt la te vin pi fò, e pi fò toujou, Moïse te pale, e \x + \xo 19:19 \xo*\xt Sòm 81:7 \xt*\x*Bondye te reponn avèk tonnè. \p \v 20 \x + \xo 19:20 \xo*\xt Né 9:13 \xt*\x*SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte. \v 21 SENYÈ a te pale ak Moïse: “Ale desann avèti pèp la pou yo pa \x + \xo 19:21 \xo*\xt Egz 3:5 \xt*\x*pase antre vè SENYÈ a pou wè; konsa, pou anpil nan yo ta vin mouri. \v 22 Osi, ke \x + \xo 19:22 \xo*\xt Lev 10:3 \xt*\x*prèt ki pwoche toupre SENYÈ yo konsakre yo menm, oswa SENYÈ a va eklate kont yo.” \p \v 23 Moïse te di a SENYÈ a: “Pèp la pa kapab monte sou Mòn Sinai a, paske Ou te avèti nou, e te di: ‘Mete limit bòn yo antoure mòn nan, e konsakre li.’” \p \v 24 Alò, SENYÈ a te di li: “Ale desann e monte ankò, \x + \xo 19:24 \xo*\xt Egz 24:1,9,12\xt*\x*ou menm e Aaron avèk ou. Men pa kite \x + \xo 19:24 \xo*\xt Egz 19:22\xt*\x*prèt yo, ni pèp la pase antre pou monte vè SENYÈ a, oswa L ap eklate sou yo.” \p \v 25 Konsa, Moïse te desann vè pèp la e te pale yo. \c 20 \p \v 1 Bondye te pale tout pawòl sa yo e te di: \v 2 “Mwen menm se SENYÈ a Bondye ou a, \x + \xo 20:2 \xo*\xt Egz 13:3 \xt*\x*ki te mennen ou sòti deyò nan peyi Égypte la, deyò kay esklavaj la. \p \v 3 “Ou pa pou gen lòt \x + \xo 20:3 \xo*\xt Egz 15:11 \xt*\x*dye devan M. \p \v 4 \x + \xo 20:4 \xo*\xt Lev 19:4 \xt*\x*“Ou pa pou fè pou kont ou, yon zidòl, ni okenn imaj sou sa ki nan syèl la anwo, ni sou latè anba, ni nan dlo anba tè a. \p \v 5 \x + \xo 20:5 \xo*\xt Egz 23:24\xt*\x*“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye \x + \xo 20:5 \xo*\xt Na 1:2\xt*\x*jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, \v 6 men k ap montre lanmou dous ak mizerikòd \x + \xo 20:6 \xo*\xt Det 7:9 \xt*\x*pami dè milye a sila ki renmen M, e ki kenbe kòmandman Mwen yo. \p \v 7 \x + \xo 20:7 \xo*\xt Lev 19:12 \xt*\x*“Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.” \p \v 8 Sonje \x + \xo 20:8 \xo*\xt Lev 26:2 \xt*\x*jou Saba a pou kenbe l sen. \p \v 9 \x + \xo 20:9 \xo*\xt Det 5:13 \xt*\x*Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, \v 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. \x + \xo 20:10 \xo*\xt Né 13:16-19 \xt*\x*Ladann l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou. \p \v 11 \x + \xo 20:11 \xo*\xt Jen 2:2,3 \xt*\x*Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen. \p \v 12 \x + \xo 20:12 \xo*\xt Lev 19:3\xt*\x*Onore papa ou avèk manman ou, pou \x + \xo 20:12 \xo*\xt Jr 35:7\xt*\x*jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou. \p \v 13 \x + \xo 20:13 \xo*\xt Luc 18:20 \xt*\x*Ou pa pou touye moun. \v 14 \x + \xo 20:14 \xo*\xt Lev 20:10 \xt*\x*Ou pa pou fè adiltè. \p \v 15 \x + \xo 20:15 \xo*\xt Egz 21:16 \xt*\x*Ou pa pou vòlè. \p \v 16 \x + \xo 20:16 \xo*\xt Det 5:20 \xt*\x*Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou. \p \v 17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; \x + \xo 20:17 \xo*\xt Pwov 6:29 \xt*\x*ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou. \p \v 18 \x + \xo 20:18 \xo*\xt Egz 19:16,18 \xt*\x*Tout pèp la te tande gwonde tonnè avèk kout loray ak son a twonpèt la, ak mòn nan ki t ap fè lafimen. Lè pèp la te wè li, yo te tranble e te kanpe a yon distans. \v 19 \x + \xo 20:19 \xo*\xt Gal 3:19 \xt*\x*Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.” \p \v 20 Moïse te di a pèp la: “Pa pè, paske Bondye vini \x + \xo 20:20 \xo*\xt Det 13:3\xt*\x*pou pase nou a leprèv, e pou \x + \xo 20:20 \xo*\xt És 8:13\xt*\x*lakrent Li kapab rete avèk nou, pou nou pa peche.” \p \v 21 Alò, pèp la te kanpe a yon distans, pandan Moïse te pwoche \x + \xo 20:21 \xo*\xt Egz 19:16 \xt*\x*gwo nwaj la kote Bondye. \p \v 22 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Konsa ou va pale avèk fis Israël yo: ‘Nou menm, nou gen tan wè ke \x + \xo 20:22 \xo*\xt Det 4:36 \xt*\x*Mwen te pale avèk nou depi nan syèl la. \v 23 Nou pa pou fè lòt dye apati de Mwen menm; \x + \xo 20:23 \xo*\xt Egz 32:1,2,4 \xt*\x*dye an ajan, ni dye an lò, nou pa pou fè yo pou nou menm. \p \v 24 “‘Nou va fè yon \x + \xo 20:24 \xo*\xt Egz 20:25 \xt*\x*lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou. \p \v 25 “‘Si nou fè yon lotèl avèk wòch pou mwen, nou pa pou fè l avèk wòch taye, paske si ou itilize zouti ou sou li, li vin pa sen ankò. \v 26 Epi nou pa pou monte nan eskalye vè lotèl Mwen, pou \x + \xo 20:26 \xo*\xt Egz 28:42,43 \xt*\x*nidite nou pa parèt a li.’” \c 21 \p \v 1 Alò, sa yo se \x + \xo 21:1 \xo*\xt Egz 24:3,4 \xt*\x*règleman ke ou va mete devan yo: \p \v 2 Si ou achte yon \x + \xo 21:2 \xo*\xt Lev 25:39-43 \xt*\x*esklav Ebre, li va sèvi pou sizane, men nan setyèm ane a li va sòti tankou yon moun lib san peye frè. \v 3 Si li antre li sèl li, li va sòti sèl. Si se mari a yon madanm, alò, madanm nan va sòti avè l. \v 4 Si mèt li bay li yon madanm, e li fè fis oswa fi pou li, madanm nan avèk pitit li yo va rete pou mèt li, e li va sòti sèl. \p \v 5 Men \x + \xo 21:5 \xo*\xt Det 15:16,17 \xt*\x*si esklav la di byen klè: “Mwen renmen mèt mwen, madanm mwen, ak pitit mwen yo; mwen p ap sòti tankou moun lib,” \v 6 alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan. \p \v 7 \x + \xo 21:7 \xo*\xt Né 5:5\xt*\x*Si yon mesye vann fi li kòm yon esklav femèl, li pa pou lage \x + \xo 21:7 \xo*\xt Egz 21:2,3\xt*\x*tankou yo kòn fè ak esklav mal yo. \v 8 Si li vin degoutan nan zye mèt li ki te anvizaje li pou li menm, alò, li va kite li ransone. Li pa gen otorite pou vann li a yon pèp etranje, akoz sa li fè pa jis. \v 9 Si li ta dezinye l pou marye ak fis li, li va trete li selon koutim pwòp fi li yo. \v 10 Si li ta vin pran pou li menm yon lòt fanm, li pa ka redwi manje li, vètman li, ni dwa \x + \xo 21:10 \xo*\xt I Kor 7:3,5 \xt*\x*konjigal li. \v 11 Si li p ap fè twa bagay sa yo pou li, alò li menm fi a va kite li gratis san peye lajan. \p \v 12 \x + \xo 21:12 \xo*\xt Lev 24:17 \xt*\x*Sila ki frape yon mesye pou li mouri va vrèman mete a lanmò. \v 13 \x + \xo 21:13 \xo*\xt Nonb 35:10-34 \xt*\x*Men si sa pa t rive pa eksprè nan anbiskad, men Bondye kite sa rive, alò, Mwen va chwazi yon kote pou li kapab sove ale. \v 14 \x + \xo 21:14 \xo*\xt Det 19:11,12 \xt*\x*Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri. \p \v 15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò. \p \v 16 \x + \xo 21:16 \xo*\xt Det 24:7 \xt*\x*Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò. \p \v 17 \x + \xo 21:17 \xo*\xt Lev 20:9 \xt*\x*Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò. \p \v 18 Si de mesye gen yon kont e youn frape lòt la avèk yon wòch, oswa avèk pwen li, e li pa mouri, men l pa ka leve sou kabann li, \v 19 si li ta leve mache deyò, malgre asistans baton li, alò, sila ki te frape li a va rete san pinisyon. Li va peye sèlman pou tan ke li pèdi a, e li va kontinye okipe li jis lè li fin geri nèt. \p \v 20 Si yon mesye frape esklav li, kit mal kit femèl, avèk yon baton, epi li vin mouri nan men l, li va pini. \v 21 Malgre sa, si li leve apre youn oswa de jou, li p ap pini, pwiske sèvitè a se \x + \xo 21:21 \xo*\xt Lev 25:44-46 \xt*\x*pwòp byen li ke li ye. \p \v 22 Si de mesye vin lite youn avèk lòt, yo frape yon fanm ansent e li vin akouche avan lè, men pa gen lòt pwoblèm, li va peye yon amann jan mari a fanm nan kapab mande li, e li va \x + \xo 21:22 \xo*\xt Egz 21:30 \xt*\x*peye li selon desizyon jij yo. \v 23 Men si gen plis mal ki fèt, \x + \xo 21:23 \xo*\xt Lev 24:19 \xt*\x*alò, ou va òdone kòm yon penalite vi pou vi, \v 24 \x + \xo 21:24 \xo*\xt Lev 24:20 \xt*\x*zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye, \v 25 brile pou brile, blese pou blese, brize pou brize. \p \v 26 Si yon mesye frape zye esklav li, kit mal, kit femèl, e li pèdi zye a, li va bay li libète akoz pèt zye a. \v 27 Si li kraze fè pèt a yon dan esklav li, kit mal, kit femèl, li va ba li libète akoz dan an. \p \v 28 Si yon bèf frennen yon mesye oswa yon fanm avèk kòn li, pou l mouri, \x + \xo 21:28 \xo*\xt Jen 9:5 \xt*\x*bèf la va vrèman lapide jiskaske li mouri, e chè li p ap manje; men mèt bèf la p ap pini. \v 29 Men si yon bèf te deja gen abitid frennen moun e mèt li te avèti deja, men li pa t okipe sa, e li vin touye yon mesye oswa yon fanm, bèf la va lapide, e mèt li anplis va mete a lanmò. \v 30 Si yon aman ranson vin enpoze pou konsève lavi l, nenpòt sa yo mande, li va peye l, \v 31 Si se yon fis oswa si se yon fi ke li frennen, l ap fèt menm jan selon menm règ la. \v 32 Si bèf la frennen yon mal oswa yon femèl esklav, mèt la va bay mèt li \x + \xo 21:32 \xo*\xt Za 11:12 \xt*\x*trant sik lajan, e bèf la va lapide. \p \v 33 Si yon mesye ouvri yon fòs, oswa fouye yon fòs e li pa kouvri li, yon bèf, oswa yon bourik tonbe ladann, \v 34 mèt fòs la va bay rekonpans. Li va bay lajan a mèt li, e bèt mouri a va vin pou li. \p \v 35 Si bèf a yon mesye vin donmaje bèf a yon lòt, e li mouri, alò yo va vann bèf vivan an e divize pri li mwatye pou yo chak; epi osi yo va divize bèt mouri an. \v 36 Men, si li te deja rekonèt ke bèf la te gen abitid frennen, men mèt li pa t okipe sa, li va vrèman peye bèt pou bèt, e bèt mouri an va vin pou li. \c 22 \p \v 1 Si yon nonm ta vòlè yon bèf oswa yon mouton epi kòche li oswa vann li, li va peye senk bèf pou bèf la, e \x + \xo 22:1 \xo*\xt II Sam 12:6 \xt*\x*kat mouton pou mouton an. \p \v 2 Si \x + \xo 22:2 \xo*\xt Mat 6:19 \xt*\x*vòlè a vin kenbe pandan l ap fonse antre, e bat jis li vin mouri, p ap gen koupabilite pou san li sou kont mèt kay la. \v 3 Men si solèy la gen tan leve sou li, va genyen koupabilite san sou li. Li va anverite peye dedonmajman an. Si li pa posede anyen, alò, \x + \xo 22:3 \xo*\xt Mat 18:25 \xt*\x*y ap vann li pou vòl sa a. \v 4 Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, \x + \xo 22:4 \xo*\xt Egz 22:7 \xt*\x*li va peye li doub. \p \v 5 Si yon mesye kite bèt li yo manje nan yon chan, oswa yon jaden jiskaske jaden an fini nèt, e kite bèt li lage pou li manje nan chan a yon lòt moun, li va peye dedonmajman an soti nan pi bon pati tè li, ak meyè pati chan rezen li lan. \p \v 6 Si yon dife vin parèt, e kouri jwenn bwa pikan yo, jis rive sereyal k ap rasanble nan chan an, oswa sereyal chan an li menm pran dife, sila ki te limen dife a va anverite peye. \p \v 7 \x + \xo 22:7 \xo*\xt Lev 6:1-7 \xt*\x*Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub. \v 8 Si yo pa jwenn vòlè a, alò, mèt kay la va parèt devan \x + \xo 22:8 \xo*\xt Egz 22:9 \xt*\x*jij yo pou konstate si li te mete men li sou byen vwazen li an. \p \v 9 Pou chak vyòl konfyans, kèlkeswa ke se pou bèf, pou bourik, pou mouton, pou rad, oswa pou nenpòt bagay ki pèdi, si yon moun kapab di: “Sila se pa m nan!”, yo toude va vini devan \x + \xo 22:9 \xo*\xt Egz 22:8,28 \xt*\x*jij yo. Konsa, sila ke jij yo kondane a va peye doub a vwazen li an. \p \v 10 Si yon mesye bay vwazen li yon bourik, yon bèf, yon mouton, oswa nenpòt bèt pou kenbe pou li, epi li vin mouri, oswa blese, oswa pouse ale lè moun pa wè, \v 11 yon \x + \xo 22:11 \xo*\xt Eb 6:16 \xt*\x*sèman devan SENYÈ a va fèt pa yo dèske li pa t mete men l sou byen a vwazen li. Konsa, mèt li va aksepte li, e li p ap oblije fè peye dedonmajman. \v 12 Men si li te vrèman vòlè li, li va peye dedonmajman a mèt li. \v 13 Si li chire an mòso, kite sa mennen kòm evidans. Li p ap peye dedonmajman pou sa ki chire an moso a. \p \v 14 Si yon mesye prete yon bagay nan men vwazen li, e sa vin donmaje oswa mouri pandan mèt li pa la, li va peye tout rekonpans. \v 15 Si mèt li la avè l, li p ap peye rekonpans. Si se lwaye, sa te vini ak frè lwaye li. \p \v 16 \x + \xo 22:16 \xo*\xt Det 22:28,29 \xt*\x*Si yon mesye sedwi yon vyèj ki poko fiyanse, e li vin kouche avèk li, li dwe peye li yon frè fiyanse pou l ka vin madanm li. \v 17 Si papa li refize nèt pou ba li fi li, li va peye lajan ki menm fòs avèk \x + \xo 22:17 \xo*\xt Jen 24:12 \xt*\x*frè fiyanse a pou vyèj yo. \p \v 18 Ou pa pou kite yon \x + \xo 22:18 \xo*\xt Lev 19:31 \xt*\x*majisyen viv. \p \v 19 Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò. \x + \xo 22:19 \xo*\xt Lev 18:23 \xt*\x* \p \v 20 \x + \xo 22:20 \xo*\xt Egz 32:8 \xt*\x*Sila ki fè sakrifis a nenpòt dye, sof ke SENYÈ a sèl, va detwi nèt. \p \v 21 \x + \xo 22:21 \xo*\xt Det 27:19 \xt*\x*Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la. \p \v 22 \x + \xo 22:22 \xo*\xt Det 24:17,18 \xt*\x*Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen. \v 23 Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, \x + \xo 22:23 \xo*\xt Job 34:28 \xt*\x*Mwen va anverite tande kri li; \v 24 epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa. \x + \xo 22:24 \xo*\xt Sòm 109:2,9 \xt*\x* \p \v 25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè \x + \xo 22:25 \xo*\xt Né 5:7 \xt*\x*enterè. \v 26 Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm \x + \xo 22:26 \xo*\xt Pwov 20:16 \xt*\x*garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche, \v 27 paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske \x + \xo 22:27 \xo*\xt Egz 34:6 \xt*\x*Mwen ranpli avèk mizerikòd. \p \v 28 Ou pa pou modi Bondye, \x + \xo 22:28 \xo*\xt Ekl 10:20 \xt*\x*ni modi yon chèf pèp ou. \p \v 29 \x + \xo 22:29 \xo*\xt Egz 13:2,12\xt*\x*Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. \p Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l. \v 30 \x + \xo 22:30 \xo*\xt Det 15:19 \xt*\x*Ou va fè menm bagay la avèk bèf ou yo, ak mouton ou yo. Li va rete avèk manman l pandan sèt jou, e nan uityèm jou a ou va ban Mwen li. \p \v 31 \x + \xo 22:31 \xo*\xt Egz 19:6 \xt*\x*Nou va dèzòm ki sen pou Mwen; konsa, nou p ap manje okenn chè ki chire an mòso nan chan. Nou va jete li bay chen. \c 23 \p \v 1 \x + \xo 23:1 \xo*\xt Egz 20:16 \xt*\x*Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen. \p \v 2 Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab \x + \xo 23:2 \xo*\xt Det 16:19 \xt*\x*fè lajistis vin konwonpi. \v 3 \x + \xo 23:3 \xo*\xt Egz 23:6 \xt*\x*Ni ou p ap apiye vè yon malere pou bay li avantaj nan pwosè a. \p \v 4 \x + \xo 23:4 \xo*\xt Det 22:1-4 \xt*\x*Si ou rankontre bèf, oswa bourik a lènmi ou k ap pati, anverite, ou va remèt li bay mèt li. \v 5 \x + \xo 23:5 \xo*\xt Det 22:4 \xt*\x*Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li. \p \v 6 \x + \xo 23:6 \xo*\xt Egz 23:2,3 \xt*\x*Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li. \p \v 7 \x + \xo 23:7 \xo*\xt Ef 4:25\xt*\x*Rete lwen yon fo pwosè, e \x + \xo 23:7 \xo*\xt Egz 20:13\xt*\x*pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la. \p \v 8 \x + \xo 23:8 \xo*\xt Pwov 15:27 \xt*\x*Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo. \p \v 9 \x + \xo 23:9 \xo*\xt Lev 19:33 \xt*\x*Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etrange nan peyi Égypte la. \p \v 10 \x + \xo 23:10 \xo*\xt Lev 25:1-7 \xt*\x*Ou va simen tè ou pou sis ane, e rekòlte donn li, \v 11 men nan setyèm ane a ou va kite li san fè anyen pou l kab pran repo. Konsa, malere pami pèp nou an kapab manje, epi nenpòt sa yo menm ta kite, ap rete pou bèt chan yo. Ou ap fè menm bagay la avèk chan rezen e avèk chan oliv ou yo. \p \v 12 Pandan \x + \xo 23:12 \xo*\xt Egz 20:8-11 \xt*\x*sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze. \p \v 13 Alò, \x + \xo 23:13 \xo*\xt Det 4:9,23 \xt*\x*konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou. \p \v 14 \x + \xo 23:14 \xo*\xt Egz 23:17 \xt*\x* Twa fwa pa ane nou va selebre yon fèt pou Mwen. \p \v 15 Nou va obsève \x + \xo 23:15 \xo*\xt Egz 12:14-20\xt*\x*fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. \p Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid. \p \v 16 Osi nou va obsève \x + \xo 23:16 \xo*\xt Lev 23:16 \xt*\x*fèt Mwason Premye Fwi a travay nou yo, nan sa ke nou te simen nan chan, anplis, fèt rekòlt nan fen ane a lè nou fin ranmase tout fwi travay nan jaden nou yo. \p \v 17 \x + \xo 23:17 \xo*\xt Egz 23:14 \xt*\x*Twa fwa pa lane tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ Bondye a. \p \v 18 \x + \xo 23:18 \xo*\xt Egz 34:25 \xt*\x*Nou pa pou ofri san a sakrifis Mwen ansanm avèk pen ledven. Ni grès fèt Mwen an pa pou pase lannwit pou rive nan maten. \p \v 19 Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. \x + \xo 23:19 \xo*\xt Det 14:21 \xt*\x*Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li. \p \v 20 “Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an. \v 21 Rete vijilan devan li, e obeyi vwa li. \x + \xo 23:21 \xo*\xt Det 9:7 \xt*\x*Pa fè rebelyon anvè li, paske li p ap padone peche nou yo, paske non Mwen nan li. \p \v 22 “Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, \x + \xo 23:22 \xo*\xt Jen 12:3 \xt*\x*Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo. \v 23 \x + \xo 23:23 \xo*\xt Egz 23:20 \xt*\x*Paske zanj Mwen va ale devan nou pou mennen nou nan peyi Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo, Evityen yo, ak Jebisyen yo. Epi Mwen va detwi yo nèt. \p \v 24 \x + \xo 23:24 \xo*\xt Egz 20:5 \xt*\x*“Nou pa pou adore dye pa yo, ni sèvi yo, ni fè selon zèv pa yo, men nou va boulvèse yo nèt e nou va kraze pilye sakre pa yo an mòso. \v 25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi \x + \xo 23:25 \xo*\xt Egz 15:26 \xt*\x*Mwen va retire maladi pami nou. \v 26 P ap gen foskouch oswa \x + \xo 23:26 \xo*\xt Det 7:14 \xt*\x*moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin ranpli fòs kantite jou ke n ap viv yo. \p \v 27 “Mwen va \x + \xo 23:27 \xo*\xt Jen 35:5 \xt*\x*voye laperèz Mwen devan nou. Mwen va jete nan konfizyon tout pèp pami sila nou parèt yo, e Mwen va fè tout lènmi nou yo ban nou do. \v 28 Mwen va voye gèp devan nou pou yo \x + \xo 23:28 \xo*\xt Egz 33:2 \xt*\x*pouse mete deyò tout Evityen yo, Kananeyen yo, ak Etyen yo devan nou. \v 29 \x + \xo 23:29 \xo*\xt Det 7:22 \xt*\x*Mwen p ap pouse yo deyò nan yon sèl ane, pou peyi a pa vin dezole, e pou bèt chan yo pa vin twòp pou nou. \v 30 Mwen va pouse yo deyò devan nou \x + \xo 23:30 \xo*\xt Det 7:22 \xt*\x*mòso pa mòso jiskaske nou vin gran, e posede peyi a. \p \v 31 \x + \xo 23:31 \xo*\xt Jen 15:18 \xt*\x*“Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat \x + \xo 23:31 \xo*\xt Det 2:36\xt*\x*paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou. \p \v 32 \x + \xo 23:32 \xo*\xt Egz 34:12 \xt*\x*“Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo. \v 33 \x + \xo 23:33 \xo*\xt Det 7:1-5; Jij 2:3 \xt*\x*Yo p ap viv nan peyi nou, paske yo va fè nou peche kont Mwen; paske si nou sèvi dye pa yo, sa va vrèman vin yon pèlen pou nou.” \c 24 \p \v 1 Alò, Li te di a Moïse: \x + \xo 24:1 \xo*\xt Egz 19:24 \xt*\x*“Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans. \v 2 Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.” \p \v 3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: \x + \xo 24:3 \xo*\xt Egz 19:8 \xt*\x*“Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” \v 4 \x + \xo 24:4 \xo*\xt Egz 17:4\xt*\x*Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo. \p Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. \v 5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, \x + \xo 24:5 \xo*\xt Egz 18:12 \xt*\x* yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a. \p \v 6 \x + \xo 24:6 \xo*\xt Eb 9:18 \xt*\x*Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. \v 7 Epi li te pran \x + \xo 24:7 \xo*\xt Egz 24:4 \xt*\x*liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.” \p \v 8 Alò, \x + \xo 24:8 \xo*\xt Eb 9:19,20 \xt*\x*Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.” \p \v 9 Alò, Moïse te pran Aaron, \x + \xo 24:9 \xo*\xt Egz 24:1 \xt*\x*Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte. \v 10 \x + \xo 24:10 \xo*\xt Egz 24:11 \xt*\x*Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm. \v 11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. \x + \xo 24:11 \xo*\xt Jen 16:3 \xt*\x*Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè. \p \v 12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi \x + \xo 24:12 \xo*\xt Egz 31:18 \xt*\x*Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.” \p \v 13 Alò, Moïse te leve avèk \x + \xo 24:13 \xo*\xt Egz 17:9-14\xt*\x*Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan \x + \xo 24:13 \xo*\xt Egz 3:1\xt*\x*mòn Bondye a. \v 14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, \x + \xo 24:14 \xo*\xt Egz 17:10,12 \xt*\x*Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.” \p \v 15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e \x + \xo 24:15 \xo*\xt Egz 19:9 \xt*\x*nwaj la te kouvri mòn nan. \p \v 16 \x + \xo 24:16 \xo*\xt Egz 16:10 \xt*\x*Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la. \p \v 17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon \x + \xo 24:17 \xo*\xt Det 4:24 \xt*\x*dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan. \p \v 18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan \x + \xo 24:18 \xo*\xt Egz 34:28 \xt*\x*karant jou ak karant nwit. \c 25 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: \v 2 \x + \xo 25:2 \xo*\xt Egz 35:4-9 \xt*\x*“Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann. \p \v 3 “Sa se ofrann ke nou va rekeyi nan men yo: lò, lajan, ak bwonz, \v 4 \x + \xo 25:4 \xo*\xt Egz 28:5,6,8 \xt*\x*Twal nan koulè ble, mov, ak wouj, avèk twal fen blan, pwal kabrit, \v 5 po belye fonse wouj, po dofen bwa akasya, \v 6 lwil pou limyè, \x + \xo 25:6 \xo*\xt Egz 30:23 \xt*\x*epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon \v 7 pyè oniks ak pyè baz bijou pou \x + \xo 25:7 \xo*\xt Egz 28:4,6-14 \xt*\x*efòd la, e pou pyès vètman lestomak la. \p \v 8 “Kite yo \x + \xo 25:8 \xo*\xt Egz 36:1-5 \xt*\x*konstwi yon sanktyè pou Mwen, pou Mwen kapab rete pami yo. \v 9 \x + \xo 25:9 \xo*\xt Trav 7:44 \xt*\x*Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li. \p \v 10 \x + \xo 25:10 \xo*\xt Det 10:3 \xt*\x*“Yo va konstwi yon lach avèk bwa akasya, de koude edmi nan longè, yon koude edmi nan lajè, ak yon koude edmi nan wotè. \v 11 Ou va \x + \xo 25:11 \xo*\xt Eb 9:4 \xt*\x*kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò. Fè yon kouch lò pou kouvri li nèt, e fè yon woulèt lò pou antoure li. \v 12 Ou va fonde kat gwo wondèl pou li, e tache yo nan kat pye li yo, epi de wondèl va yon kote, e de wondèl yon lòt kote. \p \v 13 “Ou va fè poto ak bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò. \v 14 Ou va mete poto yo pase anndan wondèl yo sou kote lach la, e pote lach la avèk yo. \v 15 \x + \xo 25:15 \xo*\xt I Wa 8:8 \xt*\x*Poto yo va rete nan wondèl lach yo. Yo p ap retire sou li. \v 16 Ou va \x + \xo 25:16 \xo*\xt I Wa 8:9 \xt*\x*mete nan lach la temwayaj ke Mwen va bay ou a. \p \v 17 “Ou va fè yon \x + \xo 25:17 \xo*\xt Egz 37:6 \xt*\x*chèz pwopyatwa avèk lò pi, de koude edmi nan longè, ak yon koude edmi nan lajè. \v 18 Ou va fè de cheriben an lò, fè yo tankou yon zèv an lò ki bat avèk zouti nan de bout a chèz pwopyatwa a. \v 19 Fè yon cheriben nan yon pwent, e youn lòt nan lòt pwent lan. Ou va fè cheriben yo tankou yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a, nan de pwent li. \v 20 \x + \xo 25:20 \xo*\xt I Kwo 28:18 \xt*\x*Cheriben yo va gen zèl yo k ap ouvri pa anlè. Yo va kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, epi figi a youn ap vire vè lòt. Konsa, fas toude cheriben yo ap gade vè chèz pwopyatwa a. \p \v 21 \x + \xo 25:21 \xo*\xt Egz 26:34 \xt*\x*“Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach la, e nan lach la ou va mete temwayaj ke Mwen va bay ou a. \v 22 La Mwen va rakontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan \x + \xo 25:22 \xo*\xt Sòm 80:1 \xt*\x* antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo. \p \v 23 \x + \xo 25:23 \xo*\xt Egz 37:10-16 \xt*\x*“Ou va fè yon tab avèk bwa akasya, de koude nan longè, yon koude nan lajè e yon koude edmi nan wotè. \v 24 Ou va kouvri li avèk yon kouch lò pi, e antoure li avèk yon \x + \xo 25:24 \xo*\xt Egz 25:11 \xt*\x*woulèt fèt an lò. \v 25 Ou va fè yon rebò lajè kat dwat pou antoure li, e ou va fè yon bòdi pou rebò ki antoure li a. \p \v 26 “Ou va fè kat wondèl an lò pou li, e mete wondèl yo sou kat kwen ki sou kat pye li yo. \v 27 Wondèl yo va toupre rebò a kòm soutyen k ap resevwa poto k ap pote tab la. \v 28 Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk yon kouch lò, dekwa ke pa yo menm, tab la kapab pote. \p \v 29 “Ou va fè \x + \xo 25:29 \xo*\xt Egz 37:16 \xt*\x*asyèt, kiyè yo, louch ak chodyè yo, avèk bòl li yo k ap sèvi pou vide ofrann yo. Ou va fè yo avèk lò pi. \p \v 30 “Ou va mete \x + \xo 25:30 \xo*\xt Egz 39:36 \xt*\x*pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè. \p \v 31 \x + \xo 25:31 \xo*\xt Egz 37:17-24 \xt*\x* “Alò, ou va fè yon chandelye avèk lò pi. Chandelye a avèk baz ak pyè li yo gen pou fòme avèk lò ki bat. Tas li yo, boujon li yo, avèk flè li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. \p \v 32 \x + \xo 25:32 \xo*\xt Egz 37:18 \xt*\x*“Sis branch yo va soti sou kote li yo; twa branch chandelye a nan yon bò, e twa branch chandelye a nan lòtbò a. \v 33 \x + \xo 25:33 \xo*\xt Egz 37:19 \xt*\x*Twa tas yo va fòme tankou flè zanmann sou yon branch, yon boujon, yon flè, e twa tas yo fòme tankou flè zanmann sou lòt branch lan, yon boujon avèk yon flè—konsa pou sis branch yo sòti nan chandelye a; \v 34 Epi \x + \xo 25:34 \xo*\xt Egz 37:20 \xt*\x*nan chandelye a, kat tas ki fòme tankou flè zanmann yo, avèk boujon ak flè li. \v 35 \x + \xo 25:35 \xo*\xt Egz 37:21 \xt*\x*Yon boujon va vin mete anba premye pè branch ki sòti nan li yo, e yon boujon anba dezyèm pè branch ki sòti nan li yo, pou tout sis branch k ap sòti nan chandelye yo. \v 36 \x + \xo 25:36 \xo*\xt Egz 37:22 \xt*\x*Boujon pa yo avèk branch pa yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. Yo tout va fòme yon èv nan yon sèl pyès, fòme avèk mato ak lò pi. \p \v 37 “Alò, ou va fè sèt lanp e \x + \xo 25:37 \xo*\xt Nonb 8:2 \xt*\x*yo va monte yo nan yon sans k ap voye limyè sou espas ki devan li an. \v 38 Etoufè yo avèk asyèt pa yo va fèt avèk lò pi. \v 39 Li va fèt avèk yon talan swasann-kenz liv lò avèk tout bagay itil sa yo. \p \v 40 \x + \xo 25:40 \xo*\xt Eb 5:8 \xt*\x*“Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.” \c 26 \p \v 1 “Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite. \v 2 Longè a chak rido va ventwit koude, e lajè chak rido va kat koude. Tout rido yo va gen menm mezi. \v 3 Senk rido va vin jwenn youn ak lòt, e lòt senk rido yo va jwenn youn ak lòt. \p \v 4 “Ou va fè lasèt yo an ble sou kote rido ki plis deyò a nan premye asanblaj la, e osi ou va fè yo sou kote de tapi ki plis deyò nan dezyèm asanblaj la. \v 5 Ou va fè senkant lasèt nan yon rido, e ou va fè senkant lasèt sou kote rido ki nan dezyèm asanblaj la. Lasèt yo va opoze anfas youn ak lòt. \v 6 Ou va fè senkant kwòk an lò, e ou va jwenn rido yo youn avèk lòt avèk kwòk. Konsa, tabènak la kapab fè yon sèl. \p \v 7 “Alò \x + \xo 26:7 \xo*\xt Egz 36:14 \xt*\x*ou va fè rido yo avèk pwal kabrit tankou yon tant sou tabènak la. Ou va fè onz rido antou. \v 8 Longè chak rido va trant koude, e lajè a va kat koude. Onz rido yo va gen menm mezi. \v 9 Ou va jwenn senk rido yo poukont yo, lòt sis rido yo poukont yo, e ou va vin double sizyèm rido a pa devan tant lan. \p \v 10 “Ou va fè senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan premye asanblaj la, e senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan dezyèm asanblaj la. \v 11 Ou va fè senkant kwòk an bwonz. Ou va mete kwòk yo nan lasèt yo e ou va jwenn tant lan ansanm pou li fè yon sèl. \p \v 12 “Mòso anplis ki debòde nan rido a tant lan, mwatye rido ki rete a, va kouche anwo lòt la pa dèyè tabènak la. \v 13 Yon koude sou yon kote e yon koude sou lòt kote a, sa ki rete nan longè rido a tant lan, li va debòde sou kote tabènak la sou yon bò, ni sou lòt la pou kouvri li. \p \v 14 \x + \xo 26:14 \xo*\xt Egz 36:19 \xt*\x*“Ou va fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye ki fonse wouj, e yon kouvèti an po dofen pa anwo. \p \v 15 “Alò ou va fè \x + \xo 26:15 \xo*\xt Egz 36:20-34 \xt*\x*planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe tou dwat. \v 16 Dis koude va longè a chak planch e yon koude edmi, lajè a chak planch. \v 17 Va genyen de bout pou chak planch, ki jwenn youn ak lòt. Konsa ou va fè pou tout planch tabènak yo. \p \v 18 “Ou va fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la. \v 19 Ou va fè karant \x + \xo 26:19 \xo*\xt Egz 38:27 \xt*\x*baz reseptikal an ajan anba ven planch yo, de baz reseptikal anba yon planch pou de bout li yo, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de bout li yo. \v 20 Pou dezyèm kote nan tabènak la, sou fas nò a, ven planch, \v 21 epi karant baz reseptikal pa yo fèt an ajan; de baz reseptikal anba yon lòt planch. \v 22 Pou dèyè tabènak la, nan lwès la, ou va fè sis planch. \p \v 23 “Ou va fè de planch pou kwen a tabènak la pa dèyè. \v 24 Yo va double pa anba, e ansanm yo va vin konplete jis nan pwent anlè pou rive nan premye wondèl la. Se konsa li va ye avèk toude: yo va fòme de kwen yo. \v 25 Li va genyen uit planch avèk pwòp baz reseptikal pa yo fèt an ajan, sèz baz reseptikal yo; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch. \p \v 26 “Epi ou va fè senk \x + \xo 26:26 \xo*\xt Egz 36:31 \xt*\x*travès yo avèk bwa akasya, senk pou planch yo nan yon kote tabènak la, \v 27 epi senk travès pou planch yo nan lòt kote tabènak la, e senk travès pou planch yo pou kote a tabènak la pa fas dèyè vè lwès la. \v 28 Travès mitan jis nan mitan planch yo va pase nèt sòti nan yon pwent a lòt pwent lan. \v 29 Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò. \p \v 30 “Ou va monte tabènak la \x + \xo 26:30 \xo*\xt Trav 7:44 \xt*\x*selon plan ki te montre a ou sou mòn nan. \p \v 31 “Ou va fè yon \x + \xo 26:31 \xo*\xt Mat 27:51 \xt*\x*vwal avèk materyo ble, ak mov avèk wouj; twal fen blan byen tòde. Li va fèt avèk yon cheriben, zèv a yon mèt ouvriye ki gen kapasite. \v 32 Ou va pandye li sou kat pilye akasya yo ki kouvri avèk lò, kwòk pa yo osi fèt avèk lò, sou kat baz reseptikal ki fèt an ajan yo. \v 33 Ou va pandye vwal la anba kwòk yo e ou va fè li antre nan lach temwayaj la nan plas sa a, pa anndan vwal la. Konsa, vwal la va sèvi pou nou kòm yon separasyon \x + \xo 26:33 \xo*\xt Eb 9:2 \xt*\x*antre lye ki sen an ak lye ki sen pase tout la. \p \v 34 \x + \xo 26:34 \xo*\xt Egz 40:20 \xt*\x*“Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach temwayaj la nan lye ki sen pase tout la. \v 35 \x + \xo 26:35 \xo*\xt Egz 40:22 \xt*\x*Ou va mete tab la deyò vwal la, e chandelye a anfas tab la sou kote tabènak ki vè sid la. Epi ou va mete tab la nan fas nò a. \p \v 36 “Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.\x + \xo 26:36 \xo*\xt Egz 36:37\xt*\x* \v 37 \x + \xo 26:37 \xo*\xt Egz 36:38 \xt*\x*Ou va fè senk pilye yo avèk akasya pou rido a, e ou va kouvri yo avèk lò. Kwòk pa yo osi va fèt avèk lò. Konsa, ou va fonde senk baz reseptikal an bwonz pou yo.” \c 27 \p \v 1 “Ou va fè \x + \xo 27:1 \xo*\xt Egz 38:1-7 \xt*\x*lotèl la avèk bwa akasya, senk koude nan longè, e senk koude nan lajè. Lotèl la va fèt kare, e wotè li va twa koude. \v 2 Ou va fè \x + \xo 27:2 \xo*\xt Sòm 118:27 \xt*\x*kòn li yo sou kat kwen. Kòn li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li, epi ou va vin kouvri li avèk bwonz. \p \v 3 “Ou va fè bokit li yo pou retire sann, avèk pèl li yo, basen li yo, fouch li yo, ak po dife. Ou va fè tout bagay itil sa yo avèk bwonz. \v 4 Ou va fè pou li yon griyaj, yon èv trese an bronz. Epi nan très yo ou va fè kat wondèl an bwonz nan kat kwen li yo. \v 5 Ou va mete li anba, arebò lotèl la, pou griyaj trese a vin monte a mwatye wotè nan lotèl la. \p \v 6 “Ou va fè poto yo pou lotèl la, poto an bwa akasya yo, e kouvri yo avèk bwonz. \v 7 Poto yo va fonse antre nan wondèl yo, pou poto yo kab rive sou de kote lotèl la \x + \xo 27:7 \xo*\xt Nonb 4:15 \xt*\x*lè li pote. \v 8 Ou va fè li vid, avèk planch. Fè l \x + \xo 27:8 \xo*\xt Trav 7:44 \xt*\x*jan sa te montre a ou nan mòn nan, konsa yo va fè li. \p \v 9 “Ou va fè galeri tabènak la. Nan kote sid la ap gen twal fen blan k ap pandye, byen tòde e san koude nan longè pou yon bò. \v 10 Pilye li yo va kontwole ven, avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk pilye yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan. \v 11 Menm jan pou kote nò a, nan longè va genyen k ap pandye san koude nan longè, e ven pilye pa li yo avèk ven baz reseptikal yo an bwonz. Kwòk yo avèk bann seraj pa yo va fèt an ajan. \p \v 12 “Pou lajè galeri a nan kote lwès la va gen bagay k ap pann pou senkant koude, avèk dis pilye pa yo, ak dis baz reseptikal pa yo. \v 13 Lajè galeri a nan kote lès la va senkant koude. \v 14 Sa ki pann nan yon kote pòtay la va kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo. \v 15 Epi pou lòt kote a va gen ki pandye kenz koude avèk twa pilye pa yo, ak twa baz reseptikal pa yo. \p \v 16 “Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo. \v 17 Tout pilye ki antoure galeri yo va founi avèk bann seraj yo an ajan, avèk kwòk yo an ajan, e baz reseptikal yo nan bronz. \v 18 Longè a galeri a va san koude, lajè a va senkant toupatou, e wotè a, senk koude an twal fen blanc, byen tòde, avèk baz reseptikal yo an bwonz. \p \v 19 “Tout bagay itil a tabènak yo sèvi nan tout sèvis li, ak tout pikèt li yo va fèt an bwonz. \p \v 20 “Ou va pase lòd a fis Israël yo pou yo pote bay ou \x + \xo 27:20 \xo*\xt Egz 35:8,28 \xt*\x*lwil byen klè ki fèt avèk oliv byen bat pou limyè a, pou yon lanp kapab briye tout tan. \v 21 Nan \x + \xo 27:21 \xo*\xt Egz 25:22; Egz 26:31 \xt*\x*tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.” \c 28 \p \v 1 “Epi fè Aaron, frè ou a vin pre ou menm, avèk fis pa li yo avè l, pami fis Israël yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen—Aaron, \x + \xo 28:1 \xo*\xt Egz 24:1,9 \xt*\x*Nadab, avèk Abihu, Éléazar, ak Ithamar, fis Aaron yo. \p \v 2 “Ou va fè \x + \xo 28:2 \xo*\xt Egz 39:1-31 \xt*\x*vètman sen pou Aaron, frè ou a, pou onore li, e pou l byen parèt. \v 3 Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt. \p \v 4 “Sa yo se vètman ke yo va fè: yon \x + \xo 28:4 \xo*\xt Egz 28:15-43 \xt*\x*pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen. \v 5 Yo va pran \x + \xo 28:5 \xo*\xt Egz 25:3 \xt*\x* lò a avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fin blan an. \p \v 6 “Yo va osi fè \x + \xo 28:6 \xo*\xt Egz 39:2-7 \xt*\x*efòd la avèk lò, avèk twal ble, mov, wouj, ak twal fen blanc ki byen tòde, travay a yon mèt ouvriye byen prepare. \v 7 Li va gen de pyès zepòl ki jwenn nan pwent li yo, pou li kapab jwenn ansanm. \v 8 Bann tise ki fèt avèk yon bòdi byen prepare sou li a, va menm jan ak kalite travay a li menm nan, avèk menm twal la: an lò, ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde a. \p \v 9 “Ou va pran de pyè oniks, e grave sou yo non a fis Israël yo. \v 10 Sis nan non yo va sou yon pyè, e sis ki rete yo sou lòt pyè a, selon lòd nesans yo. \v 11 Ak travay a yon mèt grave sou bijou, tankou fèt pou yon so, ou va grave sou pyè yo selon non a fis Israël yo. Ou va monte monti fèt an lò yo. \v 12 Ou va mete de pyè sa yo sou pyès zepòl yo nan efòd la, kòm pyè pou toujou sonje fis Israël yo. Konsa, Aaron va \x + \xo 28:12 \xo*\xt Egz 28:29 \xt*\x*pote non pa yo devan SENYÈ a sou de zepòl li yo tankou yon bagay komemoratif. \v 13 \x + \xo 28:13 \xo*\xt Egz 39:16-18 \xt*\x*Ou va pozisyone l sou yon monti fèt an lò, \v 14 ak de chèn an lò pi, Ou va fè yo tankou èv kòd ki tòde, e ou va mete chèn trese yo sou monti lò yo. \p \v 15 \x + \xo 28:15 \xo*\xt Egz 39:8-21 \xt*\x*“Ou va fè yon pyès jijman pou lestomak, èv a yon mèt ouvriye; tankou èv efòd la, ou va fè li: avèk lò, twal ble, mov, e wouj, tòde byen fen ou va fè li. \v 16 Li va kare, plwaye doub, yon epann lajè yon men louvri nan lajè, e yon epann nan longè. \p \v 17 “Ou va monte sou li kat ranje nan pyè yo; premye ranje a va yon ranje avèk woubi, topaz ak emwod; \v 18 epi dezyèm ranje a yon tikwaz, yon safi, avèk yon dyaman; \v 19 epi twazyèm ranje a, yon opal, yon agat, ak yon ametis; \v 20 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp; yo va plase nan monti an lò yo. \v 21 Pyè yo va selon non fis Israël yo: douz selon non pa yo. Yo va grave yo tankou sa ki fèt nan selil yo, yo chak \x + \xo 28:21 \xo*\xt Rev 7:4-8 \xt*\x*selon non pa yo pou douz tribi yo. \p \v 22 “Ou va fè sou pyès lestomak la, chèn tankou kòd ki tòde, yon zèv ki fèt avèk lò pi. \v 23 Ou va fè nan pyès lestomak la de wondèl an lò, e ou va mete de wondèl yo nan de pwent yo nan pyès lestomak la. \v 24 Ou va mete de kòd lò yo nan de wondèl yo nan pwent a pyès lestomak yo. \v 25 Ou va mete lòt de pwent kòd yo nan de monti fèt byen fen yo, e mete yo sou pyès zepòl a efòd la, pa devan li. \p \v 26 “Ou va fè de wondèl an lò e ou va plase yo sou de pwent pyès lestomak yo, akote li, ki se bò kote anndan efòd la. \v 27 Ou va mete de wondèl an lò e ou va mete yo nan pati anba pyès efòd yo, pa devan li, toupre plas kote li jwenn nan, anwo bann tise byen fen nan efòd la. \v 28 Yo va atache pyès lestomak la pa wondèl li yo ak wondèl efòd yo avèk yon kòd an ble, pou li kapab sou bann nan ki trese byen fen nan efòd la, pou pyès lestomak la pa vin detache nan efòd la. \p \v 29 “Aaron va pote non a fis Israël yo nan pyès lestomak jijman an sou kè li lè l ap antre nan lye sen an, kòm yon souvni pou tout tan devan SENYÈ a. \v 30 \x + \xo 28:30 \xo*\xt Lev 8:8\xt*\x*Ou va mete nan pyès lestomak jijman an, \x + \xo 28:30 \xo*\xt Det 33:8\xt*\x*Ourim nan avèk Toumim nan, e yo va sou kè Aaron lè l ap antre devan SENYÈ a. Konsa, Aaron va pote jijman a fis Israël yo sou kè li tout tan devan SENYÈ a. \p \v 31 \x + \xo 28:31 \xo*\xt Egz 39:22-26 \xt*\x*“Ou va fè tout manto efòd la an ble. \v 32 Va genyen yon ouvèti nan tèt anwo li, nan mitan li. Ozanviwon ouvèti li va genyen yon bòdi ak zèv trese, tankou ouvèti nan yon pwotèj batay, pou li pa chire. \v 33 Ou va fè nan woulèt li grenad ak materyèl ble, mov, e wouj, toutotou woulèt li, ak klòch an lò antre yo chak toutotou: \v 34 yon klòch an lò ak yon grenad, yon klòch an lò ak yon grenad, toutotou woulèt manto a. \v 35 Li va sou Aaron lè l ap fè sèvis li; epi son li va tande lè l ap antre e soti nan lye sen an devan SENYÈ a, jis pou li pa mouri. \p \v 36 “Ou va osi fè yon \x + \xo 28:36 \xo*\xt Egz 39:30,31\xt*\x*plak avèk lò pi, e li va grave sou li, jan li grave a yon so: \x + \xo 28:36 \xo*\xt Za 14:20\xt*\x*“Sen a SENYÈ a.” \v 37 Ou va tache li avèk yon kòd ble, e li va rete sou tiban an; li va pa devan tiban an. \v 38 Li va sou fwon Aaron, e Aaron va retire inikite nan bagay sen ke fis Israël yo konsakre yo, selon tout ofrann sen pa yo; epi li va toujou sou fwon li, pou \x + \xo 28:38 \xo*\xt Lev 22:27 \xt*\x*yo kapab aksepte devan SENYÈ a. \v 39 Ou va trese yon \x + \xo 28:39 \xo*\xt Egz 39:27-29 \xt*\x*tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran. \v 40 Pou fis Aaron yo ou va fè \x + \xo 28:40 \xo*\xt Egz 28:4 \xt*\x*tinik yo; ou va osi fè sentiwon pou yo. Ou va fè chapo pou yo, pou onore yo, e pou fè yo byen parèt. \v 41 Ou va mete yo sou Aaron, frè ou a, sou fis li yo avèk li, epi ou va \x + \xo 28:41 \xo*\xt Egz 29:7,9 \xt*\x*vide lwil sou yo pou fè òdonasyon yo e konsakre yo, pou yo kab sèvi Mwen kòm prèt. \p \v 42 “Ou va fè pou yo \x + \xo 28:42 \xo*\xt Lev 6:10 \xt*\x*pantalon avèk len pou kouvri nidite yo. Yo va sòti nan ren yo jis rive nan kwis yo. \v 43 Yo va sou Aaron avèk fis li yo lè y ap antre nan tant reyinyon an, oswa \x + \xo 28:43 \xo*\xt Egz 20:26; Egz 27:21\xt*\x*lè y ap pwoche lotèl la pou fè sèvis nan lye sen an, pou yo pa atire koupabilite, e mouri. \p “Sa va yon règleman pou tout tan pou li, e pou desandan apre li yo.” \c 29 \p \v 1 \x + \xo 29:1 \xo*\xt Lev 8:1-34 \xt*\x*“Alò, se sa nou va fè a yo menm pou konsakre yo pou fè sèvis kòm prèt Mwen: pran yon jèn towo avèk de belye san defo, \v 2 epi \x + \xo 29:2 \xo*\xt Lev 2:4 \xt*\x*pen san ledven avèk gato san ledven. Mele yo avèk lwil, ak galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. Ou va fè yo avèk farin fen. \v 3 Ou va mete yo nan yon panyen, e prezante yo nan panyen an ansanm avèk towo a avèk de belye yo. \p \v 4 “Konsa, \x + \xo 29:4 \xo*\xt Egz 40:12 \xt*\x*ou va mennen Aaron avèk de fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e lave yo avèk dlo. \v 5 Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron \x + \xo 29:5 \xo*\xt Egz 28:39 \xt*\x*tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la. \v 6 Ou va mete tiban an sou tèt li, e mete kouwòn sen an sou tiban an.\x + \xo 29:6 \xo*\xt Egz 28:36,37 \xt*\x* \v 7 Epi ou va pran \x + \xo 29:7 \xo*\xt Nonb 35:25 \xt*\x*lwil onksyon an, ou va vide li sou tèt li pou onksyone li. \v 8 Ou va mennen fis li yo, e mete \x + \xo 29:8 \xo*\xt Egz 28:39,40 \xt*\x*tinik yo sou yo. \v 9 Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen. \p \v 10 “Konsa, ou va mennen towo a devan tant reyinyon an, e Aaron avèk fis li yo va \x + \xo 29:10 \xo*\xt Lev 1:4 \xt*\x*poze men yo sou tèt towo a. \v 11 Ou va touye towo a devan SENYÈ a nan pòtay tant reyinyon an. \v 12 Ou va pran \x + \xo 29:12 \xo*\xt Lev 8:15 \xt*\x*kèk nan san towo a, e ou va mete sou kòn lotèl la avèk dwèt ou; epi ou va vide tout san an nan baz lotèl la. \v 13 Ou va \x + \xo 29:13 \xo*\xt Lev 3:3,4 \xt*\x*pran tout grès ki kouvri zantray yo, avèk gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la. \v 14 Men \x + \xo 29:14 \xo*\xt Lev 4:11,12,21 \xt*\x*chè towo a avèk po li ak watè li, ou va brile yo avèk dife andeyò kan an. Li menm se yon ofrann peche. \p \v 15 \x + \xo 29:15 \xo*\xt Lev 8:18 \xt*\x*“Ou va anplis pran belye sa a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a. \v 16 Ou va touye belye a e ou va pran san li pou flite li toutotou lotèl la. \v 17 Ou va koupe belye a an mòso, lave zantray li yo avèk janm li yo, e mete yo avèk mòso li yo avèk tèt li. \v 18 Ou va ofri anlè nan lafimen tout belye a sou lotèl la; li se yon ofrann brile a SENYÈ a; \x + \xo 29:18 \xo*\xt Jen 8:21 \xt*\x*li se yon sant ki dous; yon sakrifis pa dife pou SENYÈ a. \p \v 19 “Alò \x + \xo 29:19 \xo*\xt Lev 8:22 \xt*\x*ou va pran lòt belye a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a. \v 20 Ou va touye belye a, ou va pran kèk nan san li e mete li sou tèt zòrèy adwat Aaron, sou tèt zòrèy dwat a fis li yo, sou pous men dwat yo, nan gwo zòtèy pye dwat yo, e flite rès san an toutotou lotèl la. \v 21 Ou va pran kèk nan san ki sou lotèl la ak kèk nan \x + \xo 29:21 \xo*\xt Egz 30:25,31 \xt*\x*lwil onksyon an, e ou va flite li sou Aaron ak sou vètman li yo, sou fis li yo ak sou vètman ki pou fis li yo avèk li. Konsa li menm va vin konsakre; li menm, avèk vètman li yo avèk fis li yo, ak vètman a fis li yo. \p \v 22 “Ou va anplis pran grès belye a, grès ki nan ke a, ak grès ki kouvri zantray li yo, gwo mas grès ki sòti nan fwa a, de ren yo avèk grès ki sou yo a ak grès ki sou kwis dwat la (akoz ke se yon belye pou òdonasyon an), \v 23 Epi yon gato pen avèk \x + \xo 29:23 \xo*\xt Lev 8:26 \xt*\x*yon gato nan pen ki mele avèk lwil la, ak yon galèt ki sòti nan panyen pen san ledven an ki devan SENYÈ a. \v 24 Ou va mete tout sa yo nan men Aaron ak men a fis li yo, e ou va balanse yo anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a. \v 25 \x + \xo 29:25 \xo*\xt Lev 8:28 \xt*\x*Ou va pran yo sòti nan men pa yo, e ou va ofri yo anlè nan lafimen sou lotèl la, tankou yon bagay ki santi bon devan SENYÈ a: li se yon ofrann pa dife pou SENYÈ a. \p \v 26 “Epi ou va pran \x + \xo 29:26 \xo*\xt Lev 7:31,34 \xt*\x*vyann pwatrin belye a ki pou òdonasyon Aaron an, e ou va balanse li anlè tankou yon ofrann balanse devan SENYÈ a. Li va pòsyon pa w. \p \v 27 “Ou va konsakre pwatrin ofrann balanse a, kwis ofrann ki te voye anlè a, ki te balanse e ki te ofri kòm belye òdonasyon an, sila ki te pou Aaron an, ak sila ki te pou fis li yo. \v 28 Li va pou Aaron avèk fis li yo kòm pòsyon pa yo jis pou tout tan; li va sòti nan fis Israël yo, paske se yon ofrann voye anlè ke li ye. Li va yon ofrann voye anlè sòti nan fis Israël yo, sòti nan sakrifis ofrann lapè pa yo, menm ofrann anlè bay SENYÈ a. \p \v 29 \x + \xo 29:29 \xo*\xt Nonb 20:26,28 \xt*\x*“Vètman sen ki pou Aaron yo va pou fis li yo apre li, ke nan yo, yo kapab onksyone e òdone. \v 30 Pandan sèt jou sila pami fis li yo ki vin prèt nan plas li, li va mete yo sou li lè l ap antre nan tant reyinyon an pou fè sèvis nan lye sen an. \p \v 31 “Ou va pran belye òdonasyon an e ou va \x + \xo 29:31 \xo*\xt Lev 8:31 \xt*\x*bouyi chè li nan yon lye sen. \p \v 32 “Aaron avèk fis li yo va manje chè belye a ak pen ki nan panyen ki nan pòtay tant reyinyon an. \v 33 Konsa \x + \xo 29:33 \xo*\xt Lev 10:14 \xt*\x*yo va manje bagay sa yo pa sa ke ekspyasyon te fèt nan òdonasyon ak konsekrasyon yo; men yon etranje pa pou manje yo, paske yo sen. \v 34 Si yon bagay nan chè òdonasyon an oswa, yon pen rete jis rive nan maten, ou va brile rès la avèk dife. Li p ap manje, akoz li sen. \p \v 35 “Konsa ou va fè pou Aaron ak fis li yo, selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo. Ou va òdone yo pandan \x + \xo 29:35 \xo*\xt Lev 8:33 \xt*\x*sèt jou. \p \v 36 \x + \xo 29:36 \xo*\xt Eb 10:11 \xt*\x*“Chak jou ou va ofri yon towo kòm ofrann ekspyasyon pou peche. Ou va pirifye lotèl la lè ou fè ekspyasyon pou li. E ou va onksyone li pou l kab vin konsakre. \v 37 Pandan sèt jou ou va fè ekspyasyon sou lotèl la, e ou va konsakre li. Konsa \x + \xo 29:37 \xo*\xt Egz 30:28 \xt*\x*lotèl la va pi sen, e nenpòt sa ki touche li va sen. \p \v 38 “Alò, se \x + \xo 29:38 \xo*\xt Nonb 28:3-31 \xt*\x*sa ke ou va ofri sou lotèl la: de jèn mouton avèk laj de zan, chak jou san rete. \v 39 Premye jèn mouton an, ou va ofri li nan maten e lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa; \v 40 epi va genyen yon dizyèm efa (22 lit) farin fen, mele avè l yon ka in (22 lit) nan lwil ki bat, ak yon ka nan in (22 lit) diven kòm yon ofrann bwason avèk yon jèn mouton. \v 41 Lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Ou va ofri avèk li menm ofrann sereyal, e menm ofrann bwason tankou nan maten an pou yon bagay ki santi bon, yon ofrann pa dife vè SENYÈ a. \p \v 42 “Li va yon ofrann brile nan tout tan pou tout jenerasyon nou yo, nan pòtay tant reyinyon an devan SENYÈ a, \x + \xo 29:42 \xo*\xt Egz 25:22 \xt*\x*kote Mwen va reyini avèk nou, pou pale avèk nou la a. \p \v 43 “Mwen va reyini la avèk fis Israël yo, e li va vin konsakre akoz glwa Mwen. \v 44 Mwen va konsakre tant reyinyon an ak lotèl la. Mwen va osi konsakre Aaron ak fis li yo pou sèvi kòm prèt pou Mwen. \p \v 45 \x + \xo 29:45 \xo*\xt Za 2:10 \xt*\x*“Mwen va vin rete pami fis Israël yo e Mwen va Bondye pa yo. \v 46 Yo va konnen ke \x + \xo 29:46 \xo*\xt Egz 20:2 \xt*\x*Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa yo ki te fè yo sòti nan peyi Égypte la, pou M ta kapab rete pami yo: Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.” \c 30 \p \v 1 “Anplis, ou va fè \x + \xo 30:1 \xo*\xt Egz 37:25-29 \xt*\x*yon lotèl kòm yon plas pou brile lansan. Ou va fè li avèk bwa akasya. \v 2 Longè li va yon koude, e lajè li va yon koude. Li va kare, e wotè li va de koude. Kòn li yo va fèt tankou yon sèl pyès ansanm avèk li. \v 3 Ou va kouvri li avèk yon kouch fen an lò; tèt li e akote li, toupatou ansanm avèk kòn li yo; epi ou va fè yon bòdi lò pou antoure li nèt. \v 4 Ou va fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li. Ou va fè yo sou de fas kote, ki opoze yo, e yo va soutyen pou poto ki sèvi pou pote li yo. \v 5 Ou va fè poto yo avèk bwa akasya e kouvri yo avèk lò. \v 6 Ou va mete lotèl sa a pa devan vwal ki pre lach temwayaj la, devan \x + \xo 30:6 \xo*\xt Egz 25:21 \xt*\x*chèz pwopyatwa a ki kouvri lach temwayaj la, kote Mwen va rankontre avèk ou a. \p \v 7 “Aaron va brile lansan ki santi bon sou li. Li va brile li chak maten lè l ap pran swen lanp yo. \v 8 Lè Aaron ap pran swen lanp yo nan aswè, li va brile lansan. Va genyen lansan tout tan devan SENYÈ a pandan tout jenerasyon nou yo. \p \v 9 “Ou pa pou ofri okenn lòt lansan sou lotèl sila a, ni ofrann ki brile, ni ofrann sereyal; ni ou pa pou vide yon ofrann bwason sou li. \v 10 Aaron va \x + \xo 30:10 \xo*\xt Lev 16:18 \xt*\x*fè ekspyasyon sou kòn li yo yon fwa pa ane. Li va fè ekspyasyon sou li avèk san ofrann peche ki pou ekspyasyon an yon fwa pa ane pandan tout jenerasyon nou yo. Li pi sen pase tout bagay bay SENYÈ a.” \p \v 11 SENYÈ a te osi pale ak Moïse. Li te di l: \v 12 “Lè nou fè yon \x + \xo 30:12 \xo*\xt Egz 38:25,26 \xt*\x*kontwòl ofisyèl de tout fis Israël yo pou konte yo, alò, chak nan yo va bay pwòp ranson li pou nanm li bay SENYÈ a, lè n ap kontwole yo, pou pa vin genyen okenn epidemi ki rive pami yo lè n ap nimewote yo. \v 13 Se chak moun ki kontwole yo ki va bay: mwatye sik selon sik sanktyè a, \x + \xo 30:13 \xo*\xt Nonb 3:47 \xt*\x*(yon sik se ven gera) mwatye sik kòm kontribisyon bay SENYÈ a. \p \v 14 “Tout moun ki kontwole, soti nan laj a ventan oswa plis, va bay yon kontribisyon bay SENYÈ a. \v 15 Rich yo p ap peye plis, ni malere yo p ap peye mwens ke mwatye sik la, lè ou bay kontribisyon SENYÈ a pou fè ekspyasyon pou nou menm. \p \v 16 “Ou va pran lajan ekspyasyon an pou fis Israël yo, e ou va bay li pou sèvis nan tant reyinyon an, pou li kapab yon souvni pou fis Israël yo devan SENYÈ a, pou fè ekspyasyon pou nou menm.” \p \v 17 “SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l: \v 18 Ou va osi fè yon \x + \xo 30:18 \xo*\xt Egz 38:8\xt*\x*basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va \x + \xo 30:18 \xo*\xt Egz 40:30\xt*\x*mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann. \v 19 Aaron avèk fis li yo va \x + \xo 30:19 \xo*\xt Egz 40:31 \xt*\x*lave men yo ak pye yo ladann. \v 20 Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofran dife vè SENYÈ a. \v 21 Epi yo va lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Konsa, \x + \xo 30:21 \xo*\xt Egz 28:43 \xt*\x*li va yon règleman k ap la pou toujou, pou Aaron avèk desandan li yo pami tout jenerasyon yo.” \p \v 22 Anplis, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: \v 23 “Pran anplis pou ou menm pi bon epis yo: nan mi k ap koule, senk san sik, nan kannèl santi bon an, mwatye sa, de-san-senkant, e nan wozo awomatik, de-san-senkant, \v 24 epi nan kasya, senk-san, selon sik sanktyè a, e nan lwil doliv la, yon in nan lwil doliv la. \v 25 Ou va fè sila yo tankou yon lwil sen pou onksyone, yon melanj pafen, zèv a yon mèt melanj pafen; se va \x + \xo 30:25 \xo*\xt Egz 37:29 \xt*\x*yon lwil sen pou onksyone.” \p \v 26 “Avèk li \x + \xo 30:26 \xo*\xt Egz 40:9 \xt*\x*ou va onksyone tant reyinyon an ak lach temwayaj la, \v 27 tab la avèk tout bagay itil li yo, lanp bouji a avèk bagay itil li yo, ak lotèl lansan an, \v 28 lotèl ofrann brile a avèk tout bagay itil li yo, basen lave a, avèk baz li. \p \v 29 “Ou va osi konsakre yo, pou yo kapab vin sen pase tout bagay. Nenpòt moun ki touche yo dwe sen. \v 30 \x + \xo 30:30 \xo*\xt Egz 29:7 \xt*\x*Ou va vide lwil sou Aaron avèk fis li yo, e ou va konsakre yo, pou yo kapab sèvi pou Mwen kòm prèt.” \p \v 31 Ou va pale avèk fis Israël yo. Ou va di: “Sa va yon lwil ki sen a Mwen pandan tout jenerasyon nou yo. \v 32 Li pa pou vide sou kò a okenn moun, ni ou pa pou fè okenn bagay ki sanblab ak li nan menm mezi melanj lan. \x + \xo 30:32 \xo*\xt Egz 30:25,37 \xt*\x*Li sen, e li va sen pou ou menm. \v 33 \x + \xo 30:33 \xo*\xt Egz 28:43 \xt*\x*Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.” \p \v 34 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pran pou ou menm epis yo, safetida, zong santi bon, galbanòm, avèk lansan pi, yo chak nan menm kantite. \v 35 Avèk li ou va fè lansan, yon pafen, zèv a yon mèt melanj pafen, avèk disèl, ki pi, e ki sen. \v 36 Ou va bat kèk nan li byen fen, e ou va mete yon pati ladann devan temwayaj la nan tant reyinyon an, \x + \xo 30:36 \xo*\xt Egz 29:42 \xt*\x*kote Mwen va rankontre avèk ou a. Li va yon choz pou nou, ki sen pase tout choz.” \p \v 37 “Lansan sa a, \x + \xo 30:37 \xo*\xt Egz 30:32 \xt*\x*nou pa pou fè li nan menm mezi pou sèvis pèsonèl nou; li va sen a nou pou SENYÈ a. \v 38 \x + \xo 30:38 \xo*\xt Egz 30:33 \xt*\x*Nenpòt moun ki ta fè parèy li pou sèvi kòm pafen va koupe retire pami pèp li yo.” \c 31 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, \x + \xo 31:2 \xo*\xt I Kwo 2:20 \xt*\x*fis Uri a, nan tribi Juda. \v 3 Mwen te \x + \xo 31:3 \xo*\xt I Wa 7:14 \xt*\x*ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, \v 4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, \v 5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv. \p \v 6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li \x + \xo 31:6 \xo*\xt Egz 35:34 \xt*\x*Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo: \v 7 “Pou \x + \xo 31:7 \xo*\xt Egz 36:8-38\xt*\x*tant reyinyon an, lach temwayaj la, chèz pwopyatwa a sou li, ak tout mèb tant lan, \v 8 tab la osi avèk tout bagay itil li yo,\x + \xo 31:8 \xo*\xt Egz 37:10-16; Lev 24:4; Egz 37:1-5\xt*\x* chandelye an lò pi avèk tout bagay itil li yo, ak lotèl lansan an, \v 9 \x + \xo 31:9 \xo*\xt Egz 38:1-7 \xt*\x*lotèl ofrann ki brile yo, osi avèk tout bagay itil li yo, e basen lave a avèk baz li, \v 10 epi vètman \x + \xo 31:10 \xo*\xt Egz 39:1 \xt*\x*tise yo tou, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman pou fis li yo, pou ranpli kapasite prèt la; \v 11 \x + \xo 31:11 \xo*\xt Egz 30:23-32 \xt*\x*lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an. Yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.” \p \v 12 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 13 “Men pou ou menm, pale a fis Israël yo. Di yo: \x + \xo 31:13 \xo*\xt Egz 20:8 \xt*\x*‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo. Paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an. \p \v 14 “‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. \x + \xo 31:14 \xo*\xt Egz 31:15 \xt*\x*Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò. Paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li yo. \p \v 15 \x + \xo 31:15 \xo*\xt Det 5:12-14\xt*\x*“‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. \x + \xo 31:15 \xo*\xt Egz 31:14\xt*\x*Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò. \v 16 Konsa, fis Israël yo va obsève Saba a, pou selebre Saba a pandan tout jenerasyon pa yo kòm yon akò ki p ap janm sispann. \v 17 Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan. \x + \xo 31:17 \xo*\xt Jen 1:31 \xt*\x*Paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’” \p \v 18 “Lè Li te fin pale avèk li sou Mòn Sinai a, Li te bay Moïse de \x + \xo 31:18 \xo*\xt Det 4:13 \xt*\x*tablèt temwayaj la. Tablèt yo te fèt an wòch, e yo te ekri pa dwèt SENYÈ a.” \c 32 \p \v 1 Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, \x + \xo 32:1 \xo*\xt Trav 7:40\xt*\x*fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, \x + \xo 32:1 \xo*\xt Egz 14:11\xt*\x*Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.” \p \v 2 Aaron te di yo: \x + \xo 32:2 \xo*\xt Egz 35:22 \xt*\x*“Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.” \v 3 Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron. \v 4 Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te \x + \xo 32:4 \xo*\xt Sòm 106:19 \xt*\x*fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.” \p \v 5 Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.” \v 6 Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, \x + \xo 32:6 \xo*\xt I Kor 10:7 \xt*\x*e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe. \p \v 7 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin \x + \xo 32:7 \xo*\xt Jen 6:11 \xt*\x*konwonpi. \v 8 Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. \x + \xo 32:8 \xo*\xt Egz 20:3,4,23\xt*\x*Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: \x + \xo 32:8 \xo*\xt I Wa 12:28\xt*\x*‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’” \p \v 9 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se \x + \xo 32:9 \xo*\xt És 48:4 \xt*\x*yon pèp tèt di. \v 10 Koulye a alò, \x + \xo 32:10 \xo*\xt Det 9:14\xt*\x*kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi \x + \xo 32:10 \xo*\xt Nonb 14:12\xt*\x*Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.” \p \v 11 Men \x + \xo 32:11 \xo*\xt Det 9:18,26 \xt*\x*Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? \v 12 Poukisa \x + \xo 32:12 \xo*\xt Det 9:28\xt*\x*Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’” \p “Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la. \v 13 Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te \x + \xo 32:13 \xo*\xt Eb 6:13\xt*\x*sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va \x + \xo 32:13 \xo*\xt Jen 26:4\xt*\x*miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’” \p \v 14 \x + \xo 32:14 \xo*\xt Sòm 106:45 \xt*\x*Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a. \p \v 15 \x + \xo 32:15 \xo*\xt Det 9:15\xt*\x*Alò, Moïse te vire desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l; \x + \xo 32:15 \xo*\xt Egz 31:18\xt*\x*tablèt ki te ekri nan toude fas yo. \v 16 Tablèt yo se te zèv Bondye yo te ye. Ekriti la se te ekriti Bondye menm ki grave sou tablèt yo. \v 17 Alò, lè Josué te tande bwi a pèp la pandan yo t ap rele fò, li te di Moïse: “Gen son lagè nan kan an”. \p \v 18 Men li te di yo: “Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande.” \v 19 Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, \x + \xo 32:19 \xo*\xt Egz 32:6 \xt*\x*li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan. \v 20 \x + \xo 32:20 \xo*\xt Det 9:21 \xt*\x*Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li. \p \v 21 Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?” \p \v 22 Aaron te di: “Pa kite kòlè a mèt mwen briye. Ou konnen pèp sa a ou menm, \x + \xo 32:22 \xo*\xt Det 9:24 \xt*\x*ke yo toujou panche vè lemal. \v 23 Paske \x + \xo 32:23 \xo*\xt Egz 32:1-4 \xt*\x*yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’” \v 24 “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te \x + \xo 32:24 \xo*\xt Egz 32:4 \xt*\x*jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.” \p \v 25 Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te \x + \xo 32:25 \xo*\xt I Wa 12:28 \xt*\x*kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo— \v 26 Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li. \p \v 27 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou. Ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an, e chak touye frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou.” \p \v 28 Konsa, \x + \xo 32:28 \xo*\xt Nonb 25:7-13 \xt*\x*fis a Levi yo te fè sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a. \p \v 29 Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun te kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.” \p \v 30 Nan jou pwochen a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.” \p \v 31 Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon \x + \xo 32:31 \xo*\xt Egz 20:23 \xt*\x*dye an lò pou yo menm. \v 32 Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan \x + \xo 32:32 \xo*\xt Dan 12:1 \xt*\x*liv ke Ou te ekri a!” \p \v 33 SENYÈ a te di a Moïse: “Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, \x + \xo 32:33 \xo*\xt Sòm 9:5 \xt*\x*Mwen va efase li nan liv Mwen an. \v 34 Men ale koulye a, mennen pèp la \x + \xo 32:34 \xo*\xt Egz 3:17\xt*\x*kote Mwen te di ou a. Veye byen, \x + \xo 32:34 \xo*\xt Egz 23:20\xt*\x*zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.” \p \v 35 \x + \xo 32:35 \xo*\xt Egz 32:28 \xt*\x*Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a. \c 33 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke \x + \xo 33:1 \xo*\xt Egz 32:13\xt*\x*Mwen te sèmante a Abraham, Issac, e a Jacob lè M te di yo: \x + \xo 33:1 \xo*\xt Jen 12:7\xt*\x*‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’ \v 2 Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va \x + \xo 33:2 \xo*\xt Egz 23:27-31 \xt*\x*mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebisyen yo. \v 3 Monte vè yon peyi ki koule lèt ak siwo myèl; men Mwen p ap monte nan mitan nou, pwiske nou se yon \x + \xo 33:3 \xo*\xt Egz 32:9 \xt*\x*pèp tèt di, e Mwen ta kapab petèt detwi nou nan chemen an.” \p \v 4 Lè pèp la te tande pawòl tris sa yo, yo te antre nan \x + \xo 33:4 \xo*\xt Nonb 14:1-39 \xt*\x*gwo doulè, e pèsòn pa t abiye avèk òneman yo. \v 5 Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se \x + \xo 33:5 \xo*\xt Egz 33:3 \xt*\x*yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’” \p \v 6 Konsa, soti Mòn Horeb pou rive pi lwen, fis Israël yo te retire tout òneman yo nèt sou yo menm. \p \v 7 Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi \x + \xo 33:7 \xo*\xt Egz 29:42 \xt*\x*tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an. \p \v 8 Epi li te rive ke nenpòt lè ke Moïse te sòti deyò tant lan, ke tout pèp la ta leve kanpe, chak moun nan antre a tant pa yo a, e gade vè Moïse jiskaske li te vin retounen nan tant lan. \v 9 Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, \x + \xo 33:9 \xo*\xt Egz 13:21\xt*\x*pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; \x + \xo 33:9 \xo*\xt Sòm 99:7\xt*\x*epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse. \p \v 10 Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a. \v 11 Konsa \x + \xo 33:11 \xo*\xt Nonb 12:8 \xt*\x*SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan. \p \v 12 Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, \x + \xo 33:12 \xo*\xt Egz 3:10\xt*\x*‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ \x + \xo 33:12 \xo*\xt Egz 33:17\xt*\x*Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’ \v 13 Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, \x + \xo 33:13 \xo*\xt Sòm 25:4 \xt*\x*kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.” \p \v 14 Konsa, Li te di: “\x + \xo 33:14 \xo*\xt Det 4:37 \xt*\x*Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.” \p \v 15 Epi Moïse te di Li: \x + \xo 33:15 \xo*\xt Sòm 80:3,7,19 \xt*\x*“Si prezans Ou p ap prale avèk nou, pa mennen nou monte isit la. \v 16 Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke \x + \xo 33:16 \xo*\xt Lev 20:24,26 \xt*\x*nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?” \p \v 17 SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; \x + \xo 33:17 \xo*\xt Egz 33:12 \xt*\x*paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.” \p \v 18 \x + \xo 33:18 \xo*\xt Egz 33:20-23 \xt*\x*Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!” \p \v 19 Epi Li te reponn li: \x + \xo 33:19 \xo*\xt Egz 34:6,7\xt*\x*“Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, \x + \xo 33:19 \xo*\xt Wo 9:15\xt*\x*Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.” \p \v 20 Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, \x + \xo 33:20 \xo*\xt És 6:5 \xt*\x*paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!” \p \v 21 SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. \x + \xo 33:21 \xo*\xt Sòm 18:2,46 \xt*\x*Ou va kanpe la sou wòch la. \v 22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va \x + \xo 33:22 \xo*\xt Sòm 91:1,4 \xt*\x*kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase. \v 23 Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men \x + \xo 33:23 \xo*\xt Egz 33:20 \xt*\x*figi M p ap vizib.” \c 34 \p \v 1 Konsa, SENYÈ a te di a Moïse: “Taye pou kont ou de tablèt an wòch tankou sa nou te genyen yo. \x + \xo 34:1 \xo*\xt Det 10:2,4 \xt*\x*Mwen va ekri sou tablèt yo pawòl ki te sou lòt ke ou te kraze yo. \v 2 Alò, prepare ou pou maten an pou monte nan \x + \xo 34:2 \xo*\xt Egz 19:11,18,20 \xt*\x*Mòn Sinaï, e prezante ou menm la devan Mwen, sou tèt mòn nan. \v 3 \x + \xo 34:3 \xo*\xt Egz 19:12,13 \xt*\x*Nanpwen pèsòn ki pou monte avèk ou, ni pa kite pèsòn vizib nan okenn andwa sou mòn nan. Menm bann mouton yo ak twoupo yo p ap pou manje devan mòn sa a.” \p \v 4 Konsa, Moïse te koupe \x + \xo 34:4 \xo*\xt Egz 34:1 \xt*\x*de tablèt an wòch tankou sa ki te fèt avan yo. Li te leve granmmaten pou monte sou Mòn Sinaï a, jan SENYÈ a te kòmande li a. Li te pran de tablo an wòch yo nan men l. \v 5 \x + \xo 34:5 \xo*\xt Egz 19:9 \xt*\x*SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a. \p \v 6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak \x + \xo 34:6 \xo*\xt Jl 2:13 \xt*\x*konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; \v 7 ki \x + \xo 34:7 \xo*\xt Sòm 103:3 \xt*\x*kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.” \p \v 8 Moïse te fè vit bese ba jis atè pou adore.\x + \xo 34:8 \xo*\xt Egz 4:31\xt*\x* \v 9 Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. \x + \xo 34:9 \xo*\xt Egz 34:7\xt*\x*Padone inikite nou, peche nou, e \x + \xo 34:9 \xo*\xt Sòm 33:12\xt*\x*pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.” \p \v 10 Alò, Bondye te di: “Gade byen, \x + \xo 34:10 \xo*\xt Det 5:2\xt*\x*Mwen va fè yon akò. Devan tout pèp ou a \x + \xo 34:10 \xo*\xt Sòm 72:18\xt*\x*Mwen va fè mirak ki pa t janm fèt nan tout tè a ni pami okenn nan nasyon yo. Epi tout pèp pami sila nou ap viv yo, va wè zèv a SENYÈ a, paske se yon bagay etonan ke Mwen va fè ak ou a. \p \v 11 “Fè sèten ke ou obsève sa ke Mwen kòmande ou nan jou sa a. Gade byen, \x + \xo 34:11 \xo*\xt Egz 33:2 \xt*\x*Mwen va chase devan ou Amoreyen yo, Kananeyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evetyen yo, ak Jebisyen yo. \v 12 \x + \xo 34:12 \xo*\xt Egz 23:32,33 \xt*\x*Veye nou, pou nou pa fè okenn akò avèk sa yo k ap viv nan peyi kote nou prale a, oswa sa va devni yo pèlen nan mitan nou. \p \v 13 \x + \xo 34:13 \xo*\xt Egz 23:24 \xt*\x*“Men, olye de sa nou va dechire lotèl pa yo, kraze pilye sakre pa yo e koupe jete Asherim yo. \v 14 Paske \x + \xo 34:14 \xo*\xt Egz 20:3,5 \xt*\x*nou pa pou adore okenn lòt dye, paske SENYÈ a, ak yon non ke yo rele Jalou, se yon Dye ki jalou. \p \v 15 “Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, \x + \xo 34:15 \xo*\xt Egz 22:20 \xt*\x*fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li. \v 16 Epi pou \x + \xo 34:16 \xo*\xt Jos 23:12,13 \xt*\x*nou ta vin pran nan fi pa yo pou fis nou yo, e fi pa yo ta kab fè pwostitiye avèk dye pa yo, e vin lakoz ke fis nou yo osi fè pwostitiye avèk dye pa yo. \p \v 17 “Nou p ap fè pou tèt nou okenn dye ki fonn. \p \v 18 “Nou va obsève \x + \xo 34:18 \xo*\xt Lev 23:6 \xt*\x*fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte. \p \v 19 \x + \xo 34:19 \xo*\xt Egz 13:2 \xt*\x*“Premye pòtre ki sòti nan tout vant se pou Mwen, e nan tout bèt mal ou yo, menm premye pòtre nan bèf yo ak mouton yo. \v 20 Ou va ransone avèk yon jenn mouton premye pòtre a yon bourik; epi si ou pa ransone li, alò, ou va kase kou li. Ou va ransone \x + \xo 34:20 \xo*\xt Egz 13:15 \xt*\x*tout premye ne nan fis nou yo. Pèsòn pa pou parèt devan M men vid. \v 21 Ou va travay pandan \x + \xo 34:21 \xo*\xt Lev 23:3 \xt*\x*sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze. \p \v 22 “Ou va selebre \x + \xo 34:22 \xo*\xt Egz 23:16 \xt*\x*fèt Semèn yo. Sa vle di premye fwi ki sòti nan rekòlt ble a, ak fèt Rekòlt la, nan fen ane a. \v 23 \x + \xo 34:23 \xo*\xt Egz 23:14-17 \xt*\x*Twa fwa pa ane tout mal nou yo va parèt devan Senyè BONDYE a, Bondye Israël la. \v 24 Paske Mwen va \x + \xo 34:24 \xo*\xt Egz 33:2 \xt*\x*chase nasyon yo devan ou, e fè agrandi limit fwontyè ou yo. Pèsòn p ap fè lanvi sou peyi ou lè w ap monte twa fwa pa ane pou parèt devan SENYÈ a, Bondye ou a. \p \v 25 \x + \xo 34:25 \xo*\xt Egz 23:18\xt*\x*“Ou p ap ofri san sakrifis Mwen yo avèk pen leve, \x + \xo 34:25 \xo*\xt Egz 12:10\xt*\x*ni kite sakrifis ki pou fèt Pak la rete jis rive nan maten. \p \v 26 “Ou va pote \x + \xo 34:26 \xo*\xt Egz 23:19 \xt*\x*premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a. \p Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.” \p \v 27 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: \x + \xo 34:27 \xo*\xt Egz 17:14 \xt*\x*“Ekri mo sa yo. Paske an akò avèk mo sa yo, Mwen te fè yon akò avèk ou, e avèk Israël.” \p \v 28 Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, \x + \xo 34:28 \xo*\xt Egz 31:18\xt*\x*li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, \x + \xo 34:28 \xo*\xt Det 4:13\xt*\x*dis kòmandman yo. \p \v 29 Lè Moïse t ap desann Mòn Sinaï a, avèk de tablo temwayaj yo nan men Moïse lè li t ap desann mòn nan, Moïse pa t konnen ke po figi li te briye akoz li t ap pale avèk Senyè a.\x + \xo 34:29 \xo*\xt Mat 17:2 \xt*\x* \p \v 30 Pou sa, lè Aaron avèk tout fis Israël yo te wè Moïse, byen gade, po figi li t ap briye, e \x + \xo 34:30 \xo*\xt II Kwo 3:7 \xt*\x*yo te pè pwoche li. \p \v 31 Epi Moïse te rele yo avèk Aaron. Tout dirijan kongregasyon yo te retounen kote li. Konsa, Moïse te pale avèk yo. \v 32 Apre sa a, tout fis Israël yo te pwoche, e li te bay yo tout komandman yo ke SENYÈ a te pale ak li nan Mòn Sinaï a. \p \v 33 Lè Moïse te fin pale avèk yo, \x + \xo 34:33 \xo*\xt II Kwo 3:13 \xt*\x*li te mete yon vwal sou figi li. \v 34 Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, \x + \xo 34:34 \xo*\xt II Kwo 3:16 \xt*\x*li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo. \v 35 \x + \xo 34:35 \xo*\xt II Kwo 3:13\xt*\x*Fis Israël yo te wè figi Moïse, ke po figi li t ap briye. Alò, Moïse te remete vwal la sou figi li jis lè li te vin antre pou pale avèk SENYÈ a. \c 35 \p \v 1 Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: \x + \xo 35:1 \xo*\xt Egz 34:32 \xt*\x*“Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè: \v 2 Pandan sis jou nou mèt travay, men nan setyèm jou a, nou va gen yon jou sen, yon \x + \xo 35:2 \xo*\xt Egz 16:23\xt*\x*repo Saba konplè a SENYÈ a. \x + \xo 35:2 \xo*\xt Nonb 15:32-36\xt*\x*Nenpòt moun ki fè travay nan li va vin mete a lanmò. \v 3 \x + \xo 35:3 \xo*\xt Egz 12:16 \xt*\x*Nou pa pou limen dife nan okenn lojman nou nan jou Saba a.” \p \v 4 Moïse te pale ak tout kongregasyon fis Israël yo. Li te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande a, e te di: \v 5 \x + \xo 35:5 \xo*\xt Egz 25:1-9 \xt*\x*‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bon volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz, \v 6 twal ble, mov ak wouj, twal fen blan, pwal kabrit, \v 7 ak po belye fonse wouj, e po dofen avèk bwa akasya, \v 8 avèk lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon an e pou lansan santi bon an, \v 9 epi pyè oniks avèk pyè monti pou efòd la, e pou pyès lestomak la. \p \v 10 \x + \xo 35:10 \xo*\xt Egz 31:6 \xt*\x*“‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo: \v 11 \x + \xo 35:11 \xo*\xt Egz 26:1-30 \xt*\x*tabènak la, tant li ak kouvèti li, kwòk li yo, planch li yo, poto li yo, pilye li yo, ak baz reseptikal li yo; \v 12 \x + \xo 35:12 \xo*\xt Egz 25:10-22 \xt*\x*lach la avèk poto pa li, chèz pwopyatwa a, ak rido vwal la; \v 13 \x + \xo 35:13 \xo*\xt Egz 25:23-30 \xt*\x*tab la avèk poto pa li, tout bagay itil yo, ak pen Prezans lan; \v 14 \x + \xo 35:14 \xo*\xt Egz 25:31 \xt*\x*chandelye a osi avèk limyè li ak lwil pou limyè a; \v 15 epi \x + \xo 35:15 \xo*\xt Egz 30:1-6\xt*\x*lotèl lansan an ak poto pa li, lwil onksyon an avèk \x + \xo 35:15 \xo*\xt Egz 30:34-38\xt*\x*lansan santi bon an, ak rido pòtay nan antre tabènak la; \v 16 \x + \xo 35:16 \xo*\xt Egz 27:1-8 \xt*\x*lotèl ofrann brile a avèk griyaj li, poto li, ak tout bagay itil li yo, basen, avèk baz li; \v 17 epi\x + \xo 35:17 \xo*\xt Egz 27:9-18 \xt*\x*sa k ap pann sou galeri yo, avèk pilye li yo, baz reseptikal yo, ak rido pòtay la; \v 18 pikèt tabènak yo avèk pikèt galeri yo, ak kòd pa yo; \v 19 \x + \xo 35:19 \xo*\xt Egz 31:10 \xt*\x*vètman tise yo pou sèvi nan lye sen an, vètman sen yo pou Aaron, prèt la, ak vètman a fis li yo pou yo sèvi kòm prèt.’” \p \v 20 Konsa, tout kongregasyon a fis Israël yo te pati kite prezans Moïse. \p \v 21 \x + \xo 35:21 \xo*\xt Egz 25:2 \xt*\x*Tout sa yo ki te mennen pa kè yo, tout sa yo ki te mennen pa pwòp lespri pa yo te vin pote ofrann pou zèv a tant reyinyon an, pou sèvis li, e pou vètman sen li yo. \p \v 22 Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè. \v 23 Chak moun, ki te gen nan posesyon li twal ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan ak pwal kabrit, po belye fonse wouj, ak po dofen, te pote yo. \v 24 Tout moun ki te kab fè yon ofrann lò ak bwonz te pote pòsyon ofrann SENYÈ a; epi chak moun ki te posede bwa akasya pou nenpòt travay nan sèvis la te pote li. \p \v 25 Tout fanm ki te abil, te file fil pou twal avèk men yo, e te pote sa ke yo te file yo, materyo ble avèk mov, wouj, ak len byen fen. \v 26 Tout fanm avèk kè bon volonte, ansanm ak yon kapasite te file pwal kabrit yo. \p \v 27 Mèt dirijan yo te pote pyè bijou oniks, pyè bijou pou monte gwo efòd la ak pou pyès lestomak la; \v 28 epi \x + \xo 35:28 \xo*\xt Egz 30:23 \xt*\x*epis avèk lwil pou limyè a, pou lwil onksyon an, e pou lansan santi bon an. \p \v 29 Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon \x + \xo 35:29 \xo*\xt Egz 35:21 \xt*\x*ofrann bon volonte bay SENYÈ a. \p \v 30 \x + \xo 35:30 \xo*\xt Egz 31:1-6 \xt*\x* Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a. \v 31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo; \v 32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz, \v 33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun. \p \v 34 “Li osi te dedike kè l pou enstwi ni li menm, ni \x + \xo 35:34 \xo*\xt Egz 31:6 \xt*\x*Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. \v 35 \x + \xo 35:35 \xo*\xt Egz 31:3,6 \xt*\x*Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blanc, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.” \c 36 \p \v 1 “Koulye a, Betsaléel, Oholiab, ak chak mèt atizan nan sila SENYÈ a te mete kapasite avèk konprann pou konnen jan pou fè tout travay yo pou konstwi sanktyè a, va aji an akò avèk tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo.” \p \v 2 Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite \x + \xo 36:2 \xo*\xt Egz 35:21,26 \xt*\x* nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li. \v 3 Yo te resevwa de Moïse tout don ke fis Israël yo te pote pou fè travay la nan konstwi sanktyè a. Konsa, yo te toujou kontinye pote ofrann bon volonte yo chak maten. \v 4 Epi tout mesye avèk kapasite ki t ap fè tout travay nan sanktyè a te vini. Pou sa a, yo chak te sòti nan travay ke yo t ap fè, \v 5 pou yo te di a Moïse: \x + \xo 36:5 \xo*\xt II Kwo 24:14 \xt*\x*“Pèp la ap pote bokou plis ke ase pou èv konstriksyon ke SENYÈ a te kòmande nou fè a.” \p \v 6 Alò, Moïse te pase yon lòd. Pou sa yo te fè yon pwoklamasyon sikile toupatou nan kan an. Li te di: “Pa kite pèsòn, ni gason ni fanm travay ankò pou fè don pou sanktyè a.” Konsa pèp la te ralanti pou yo pa pote ankò. \v 7 \x + \xo 36:7 \xo*\xt I Wa 8:64 \xt*\x*Paske materyo ke yo te genyen an te sifi, e plis ke sifi pou tout èv la, pou te fin konplete li. \p \v 8 \x + \xo 36:8 \xo*\xt Egz 26:1-14 \xt*\x*Tout mesye avèk kapasite yo pami sa yo ki t ap fè travay la te fè tabènak la avèk dis rido twal fen blan, byen tòde, materyo ble, mov, e wouj. Yo te fè yo avèk cheriben yo, èv a yon mèt ouvriye. Se Betsaléel ki te fè yo. \v 9 Longè a chak rido se te ventwit koude, e lajè a chak rido, kat koude; tout rido yo te gen menm mezi. \p \v 10 Li te jwenn senk rido yo youn ak lòt, e lòt senk rido yo, li te jwenn yo youn ak lòt. \v 11 Li te fè lasèt yo nan koulè ble sou kote rido a pa deyò nan premye ansanm nan; epi li te fè menm jan an sou kote rido ki te pa deyò nan dezyèm ansanm nan. \v 12 Li te fè \x + \xo 36:12 \xo*\xt Egz 26:5 \xt*\x*senkant lasèt nan premye rido a, e li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te nan dezyèm ansanm nan; lasèt yo te opoze youn ak lòt. \v 13 Li te fè \x + \xo 36:13 \xo*\xt Egz 26:6 \xt*\x*senkant kwòk an lò, e li te jwenn rido yo ansanm avèk kwòk yo pou tabènak la fè yon sèl pyès. \p \v 14 \x + \xo 36:14 \xo*\xt Egz 26:7-14 \xt*\x*Li te fè rido yo avèk pwal kabrit pou sèvi kòm yon tant sou tabènak la. Li te fè onz rido antou. \v 15 Longè chak rido se te trant koude e lajè a chak rido te kat koude Tout nan onz rido yo te gen menm mezi. \v 16 Li te jwenn senk rido yo poukont yo, e lòt sis yo poukont yo. \v 17 Anplis, li te fè senkant lasèt sou kote rido ki te plis pa deyò nan premye ansanm nan, e li te fè senkant lasèt sou kote nan rido ki te plis deyò nan dezyèm ansanm nan. \v 18 Li te fè senkant kwòk an bwonz pou jwenn tant lan ansanm pou li ta kapab fè yon sèl. \p \v 19 Li te fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye fonse wouj, ak yon kouvèti avèk po vach lanmè pa anlè. \p \v 20 \x + \xo 36:20 \xo*\xt Egz 26:15-29 \xt*\x*Epi li te fè planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe dwat. \v 21 Dis koude te longè a chak planch, e yon koude-edmi se te lajè a chak planch. \v 22 Te gen de tenon pou chak planch, yo te jwenn youn ak lòt. Se te konsa li te fè pou tout planch yo nan tabènak la. \p \v 23 Li te fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la. \v 24 Epi li te fè karant baz reseptikal an ajan anba ven planch yo: de baz reseptikal anba yon planch pou de tenon pa li, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de tenon pa li. \p \v 25 Konsa, pou dezyèm kote nan tabènak la, nan fas nò a, li te fè ven planch yo, \v 26 ak karant baz reseptikal pa yo an ajan; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch. \p \v 27 Pou dèyè tabènak la, nan lwès, li te fè sis planch. \p \v 28 Li te fè de planch pou kwen yo nan tabènak la pa dèyè. \v 29 Yo te double anba, e ansanm yo te fin rive nèt nan tèt li, jis rive nan premye wondèl la. Se konsa li te fè avèk toude pou de kwen yo. \v 30 Te gen uit planch avèk baz reseptikal yo an ajan, sèz baz reseptikal, de anba chak planch. \p \v 31 Epi li te fè \x + \xo 36:31 \xo*\xt Egz 26:26-29 \xt*\x*travès yo an bwa akasya, senk pou planch yo pou yon kote tabènak la, \v 32 epi senk travès pou lòt kote nan tabènak la, e senk travès pou planch yo nan tabènak la sou kote pa dèyè vè lwès. \v 33 Li te fè travès mitan an pase nan mitan a planch yo soti nan yon pwent a lòt pwent lan. \v 34 Li te kouvri planch yo avèk yon kouch lò. Li te fè wondèl pa yo avèk lò kòm soutyen pou travès yo, e li te kouvri travès yo avèk yon kouch lò. \p \v 35 \x + \xo 36:35 \xo*\xt Egz 26:31-37 \xt*\x*Anplis li te fè vwal la avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde, avèk cheriben yo; èv a yon mèt ouvriye. \v 36 Li te fè kat pilye yo an akasya pou li, e li te kouvri l avèk yon kouch lò. Kwòk yo te fèt an lò. Li te fonde kat baz reseptikal an ajan pou yo. \p \v 37 Li te fè yon \x + \xo 36:37 \xo*\xt Egz 26:36 \xt*\x*rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, ak wouj, e twal fen blan byen tòde, travay a yon tiseran; \v 38 epi li te fè \x + \xo 36:38 \xo*\xt Egz 26:37 \xt*\x*senk pilye li yo avèk kwòk pa yo, e li te kouvri tèt yo avèk bann seraj avèk lò; epi senk baz reseptikal yo te an bwonz. \c 37 \p \v 1 \x + \xo 37:1 \xo*\xt Egz 25:10-20 \xt*\x*Alò Betsaléel te fè lach la an bwa akasya. Longè li se te de koude edmi, e lajè li se te yon koude edmi. \v 2 Li te kouvri li avèk lò pi ni anndan, ni deyò, e li te fè yon bòdi an lò pou antoure l. \v 3 Li te fonde kat wondèl yo an lò sou kat pye li yo; de wondèl menm sou yon bò, e de wondèl sou lòt bò li. \v 4 Li te fè poto yo an bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch lò. \v 5 Li te pase poto yo nan wondèl yo ki te tache sou kote lach la pou pote li. \p \v 6 Li te fè yon chèz pwopyatwa avèk lò pi; de koude edmi nan longè, e yon koude edmi nan lajè. \v 7 Li te fè de cheriben yo avèk lò. Li te fè yo nan de pwent a chèz pwopyatwa yo; \v 8 yon cheriben nan yon pwent, e yon cheriben nan lòt pwent lan. Li te fè cheriben yo kòm yon sèl pyès avèk chèz pwopyatwa a nan de pwent yo. \v 9 Cheriben yo te gen zèl yo ouvri pa anlè, e yo te kouvri chèz pwopyatwa a avèk zèl yo, avèk figi pa yo youn anvè lòt. Figi Cheriben yo te anvè chèz pwopyatwa a. \p \v 10 \x + \xo 37:10 \xo*\xt Egz 25:23-29 \xt*\x*Alò, li te fè tab la avèk bwa akasya. Longè li te de koude, lajè li te yon koude, e yon koude edmi nan wòte. \v 11 Li te kouvri avèk yon kouch lò, e li te fè yon bòdi an lò toutotou li. \v 12 Li te fè yon rebò pou li, lajè a yon epann (yon men byen ouvri), ki antoure l nèt, e li te fè yon bòdi lò ki te antoure tab la. \v 13 Li te fonde kat wondèl an lò pou li tab la, e li te mete wondèl yo nan kat kwen ki te sou kat pye li yo. \v 14 Byen pre rebò a se te wondèl yo, soutyen pou poto yo pou pote tab la. \p \v 15 Li te fè poto yo avèk bwa akasya. Li te kouvri yo avèk yon kouch lò, pou pote tab la. \v 16 Li te fè bagay itil yo ki te sou tab la, asyèt avèk kiyè, bòl, ak krich yo pou vide ofrann bwason yo avèk lò pi a. \p \v 17 \x + \xo 37:17 \xo*\xt Egz 25:31-39 \xt*\x*Epi li te fè chandelye a avèk lò pi. Li te fè chandelye a, avèk lò ki bat. Baz ak tij li, tas li yo, boujon avèk flè yo te fèt nan yon sèl pyès, ansanm avèk li. \v 18 Te gen sis branch ki te sòti bò kote li yo; twa branch chandelye yo nan yon bò li, e twa branch chandelye nan lòt bò li; \v 19 twa tas fòme tankou flè zanmann, yon boujon, yon flè nan yon branch, ak twa tas ki fòme tankou flè zanmann nan lòt tij, yon boujon avèk yon flè—menm jan an nan sis branch ki sòti nan chandelye yo. \p \v 20 Nan chandelye a te gen kat tas ki fòme tankou flè zanmann, boujon li yo, ak flè li yo; \v 21 epi yon boujon te anba premye pè branch li yo ki sòti nan li, e yon boujon anba dezyèm pè branch li yo ki sòti nan li, jis pou sis branch yo ki sòti nan chandelye a. \v 22 Boujon yo, ak branch yo te yon sèl pyès avèk li; se te yon sèl pyès an lò ki bat. \p \v 23 Li te fè sèt lanp li yo avèk etoufè yo, ak vaz pou sann yo avèk lò pi. \v 24 Li te fè li e tout bagay itil li yo avèk yon talan (swasann kenz liv) lò pi. \p \v 25 \x + \xo 37:25 \xo*\xt Egz 30:1-5 \xt*\x*Epi li te fè lotèl lansan an avèk bwa akasya: yon koude nan longè, yon koude nan lajè, kare, ak de koude nan wotè. Kòn li te yon sèl pyès avèk li. \v 26 Li te kouvri li nèt avèk lò pi, tèt li e tout kote li yo, tou antoure, ak kòn li yo. Konsa, li te fè yon bòdi lò antoure li nèt. \v 27 Li te fè de wondèl an lò pou li anba bòdi li, sou de kote ki opoze yo kòm soutyen pou poto ki t ap pote l yo. \v 28 Li te fè poto yo an bwa akasya e li te kouvri yo avèk yon kouch lò. \p \v 29 \x + \xo 37:29 \xo*\xt Egz 30:23-35 \xt*\x*Epi li te fè lwil sen pou onksyone a, ak lansan santi bon an avèk epis yo, èv a yon mèt ouvriye ki konn fè melanj pafen. \c 38 \p \v 1 \x + \xo 38:1 \xo*\xt Egz 27:1-8 \xt*\x*Alò, li te fè lotèl ofrann brile a avèk bwa akasya, senk koude nan longè, senk koude nan lajè, kare, ak twa koude nan wotè. \v 2 Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz. \v 3 Li te fè tout bagay itil yo pou lotèl la, bokit yo avèk pèl yo, basen yo, kwòk vyann yo, ak plato pou resevwa sann yo. Li te fè tout bagay itil yo an bwonz. \p \v 4 Li te fè pou lotèl la yon sistèm griyaj an bwonz, anba rebò nan distans pou rive mwatye de wotè l. \v 5 Li te fonde kat wondèl yo sou kat kote nan griyaj an bwonz yo kòm soutyen pou poto yo. \v 6 Li te fè poto yo avèk bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch an bwonz. \v 7 Li te antre poto yo nan wondèl sou kote lotèl la. Se avèk yo li te pote l. Fòm li te vid, fòme avèk planch yo. \p \v 8 \x + \xo 38:8 \xo*\xt Egz 30:18 \xt*\x*Anplis, li te fè basen lave a avèk bwonz avèk yon baz an bwonz, ki te sòti nan miwa fanm sèvant yo ki t ap sèvi nan pòtay tant reyinyon an. \p \v 9 \x + \xo 38:9 \xo*\xt Egz 27:9-19 \xt*\x*Alò li te fè galeri a: pou kote sid la, afè pandye yo te fèt avèk twal fen blan byen tòde, san koude nan longè, \v 10 avèk ven pilye li yo, ak baz reseptikal fèt an bwonz yo, avèk ven kwòk pilye yo avèk bann seraj an ajan yo. \v 11 Pou kote nò a te gen san koude yo; ven pilye li yo avèk ven baz reseptikal an bwonz yo, epi kwòk pou pilye yo avèk bann seraj pa yo te an ajan. \p \v 12 Pou kote lwès la te gen afè pandye pou senkant koude yo avèk dis pilye pa yo e bann seraj yo te an ajan. \v 13 Pou kote lès la, senkant koude yo. \v 14 Afè pandye yo pou yon kote pòtay la te kenz koude, avèk twa pilye pa yo e twa baz reseptikal pa yo; \v 15 epi menm jan an pou lòt kote a. Sou toude kote pòtay yo te gen afè pandye de kenz koude, avèk twa pilye pa yo ak twa baz reseptikal pa yo. \p \v 16 Tout afè pandye nan galeri yo toutotou te avèk twal fen blan byen tòde. \v 17 Baz reseptikal pou pilye ki te an bwonz yo, kwòk pou pilye yo ak bann seraj an ajan yo; epi yon kouch lò ki te kouvri pwent tèt yo. Tout pilye galeri yo te founi avèk bann seraj an ajan yo. \p \v 18 Rido pòtay la te èv a tiseran an, avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde. Epi longè a se te ven koude e wotè a te senk koude, ki te koresponn ak afè pandye nan galeri yo. \v 19 Kat pilye pa yo avèk baz reseptikal pa yo a te an bwonz; kwòk pa yo a te an ajan. \v 20 Tout pikèt yo pou tabènak la avèk galeri a toutotou a te an bwonz. \p \v 21 Sa se kantite a bagay ki te pou tabènak yo, tabènak temwayaj la, jan yo te nimewote selon lòd a Moïse, pou sèvis Levit yo, ekri pa men a Ithamar, fis Aaron an, prèt la. \p \v 22 Alò, \x + \xo 38:22 \xo*\xt Egz 31:2 \xt*\x*Betsaléel fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a, te fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo. \v 23 Avèk li te gen \x + \xo 38:23 \xo*\xt Egz 31:6 \xt*\x*Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan. \p \v 24 Epi tout lò ki te sèvi nan èv la, nan tout travay sanktyè a, menm lò pou ofrann balanse anlè a te ventnèf talan e sèt-san-trant sik selon \x + \xo 38:24 \xo*\xt Lev 27:25 \xt*\x*sik sanktyè a. \p \v 25 \x + \xo 38:25 \xo*\xt Egz 30:11-16 \xt*\x*Ajan a sa yo ki te nan kongregasyon an te gen kantite san talan e mil sèt san swasann kenz sik selon sik sanktyè a; \v 26 yon beka pa chak tèt (sa vle di, mwatye sik, selon sik sanktyè a), pou chak moun nan sa ki te gen nimewo yo, soti nan laj ventan, e plis pou sis-san-mil-senk-san-senkant mesye. \v 27 San talan ajan yo te pou fonde baz reseptikal sanktyè yo, ak baz reseptikal pou vwal yo; san baz reseptikal yo pou san talan, yon talan pa baz reseptikal. \v 28 Nan mil sèt san swasant kenz sik yo, li te fè kwòk pou pilye yo, li te kouvri tèt yo, e li te fè bann seraj pou yo. \p \v 29 Bwonz pou ofrann balanse anlè a te swasann-dis talan e de-mil-senk-san sik. \v 30 Avèk li, li te fè baz reseptikal yo pou pòtay tant reyinyon an, lotèl bwonz lan avèk griyaj an bwonz li, ak tout bagay itil pou lotèl yo, \v 31 epi baz reseptikal yo pou galeri a, tout pikèt a tabènak yo ak tout pikèt pou galeri yo toutotou. \c 39 \p \v 1 Anplis, avèk materyo ble, mov, e wouj, yo te fè vètman \x + \xo 39:1 \xo*\xt Egz 31:10 \xt*\x*tise byen fen pou fè sèvis nan lye sen an, menm jan avèk vètman sen ki te pou Aaron yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 2 \x + \xo 39:2 \xo*\xt Egz 31:10 \xt*\x*Li te fè efòd la avèk lò, epi nan materyo ble, mov, e wouj avèk twal fen blan. \v 3 Alò, yo te bat mòso plat an lò yo, yo te koupe yo fè fil fen pou trese nan materyo ble a, mov la, wouj la e twal fen blan an, èv a yon mèt ouvriye. \v 4 Yo te fè pyès zepòl yo pou atache nan efòd la; li te tache nan de pwent anwo li yo. \v 5 Bann ki te sou li a, ki te tise byen fen, te fèt menm jan tankou li avèk menm materyo yo: an lò avèk ble, mov, e wouj, avèk twal fen blan byen tòde, jis jan ke Bondye te kòmande Moïse la. \p \v 6 \x + \xo 39:6 \xo*\xt Egz 28:9-11 \xt*\x*Yo te fè pyè oniks yo, plase nan monti desine byen fen yo; yo te grave tankou gravi a yon so, selon non a fis Israël yo. \v 7 Konsa, \x + \xo 39:7 \xo*\xt Egz 28:12 \xt*\x*li te plase yo sou pyès zepòl nan efòd la, tankou pyè pou sonje fis a Israël yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 8 \x + \xo 39:8 \xo*\xt Egz 28:15-28 \xt*\x*Li te fè pyès lestomak la, zèv a yon mèt ouvriye, tankou travay la fèt nan efòd la: avèk materyo an lò, an ble, an mov, e an wouj avèk twal fen blan byen tòde. \v 9 Li te kare. Yo te fè pyès lestomak la plwaye doub, longè a yon epann, e yon epann nan lajè lè li plwaye doub. \v 10 Yo te monte kat ranje pyè presye sou li. Premye ranje a te yon ranje avèk woubi, topaz, avèk emwod. \v 11 Nan dezyèm ranje a te gen yon tikwaz, yon safi, ak yon dyaman; \v 12 epi nan twazyèm ranje a yon jasent, yon agat, ak yon ametis; \v 13 epi nan katriyèm ranje a, yon krizolit, yon oniks, avèk yon jasp. Yo te plase yo nan monti lò byen fen lè yo te monte. \v 14 Pyè presye yo te koresponn ak non a fis Israël yo. Yo te douz, e yo te koresponn a non yo, grave avèk gravi a yon so, yo chak avèk non yo pou douz tribi yo. \p \v 15 Yo te fèt sou chenn pyès lestomak la tankou kòd ki te kòd tòde yo, lèv ki fèt an lò pi. \v 16 Yo te fè de monti yo byen fen an lò ak de wondèl lò yo, epi te plase wondèl yo nan de pwent pyès lestomak la. \v 17 Alò yo te mete de kòd lò yo nan de monti de wondèl lò yo nan pwent ki pou pyès lestomak la. \v 18 Yo te mete lòt de pwent yo nan de kòd yo avèk de monti yo fèt byen fen, e yo te mete yo sou pyès zepòl yo nan efòd la pa devan li. \v 19 Yo te fè de wondèl yo an lò e yo te plase yo nan de pwent nan pyès lestomak la sou kote pa anndan ki toupre efòd la. \v 20 Anplis, yo te fè de wondèl lò yo e yo te plase yo nan pati anba pyès zepòl yo nan efòd la, pa devan li, toupre plas ke li te jwenn nan, anlè bann tise nan efòd la. \v 21 Yo te mare pyès lestomak la avèk wondèl li yo ak wondèl ki te pou efòd la avèk kòd ble, pou li te sou bann tise a nan efòd la, e pou pyès lestomak la pa t vin lage nan efòd la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 22 \x + \xo 39:22 \xo*\xt Egz 28:31,34 \xt*\x*Alò li te fè abiman efòd la tankou yon èv tise, tout an ble; \v 23 \x + \xo 39:23 \xo*\xt Egz 28:32 \xt*\x*epi ouvèti abiman an te anwo nan mitan, tankou ouvèti ki nan yon pwotèj lagè avèk yon woulèt ki antoure l pou l pa vin chire. \v 24 Yo te fè grenad avèk materyo ble, mov, wouj ak twal fen blan byen tòde nan woulèt abiman an. \v 25 Yo te osi fè klòch avèk lò pi, e yo te plase klòch yo antre grenad yo toutotou woulèt abiman an, \v 26 ki te toujou youn aprè lòt, yon klòch, ak yon grenad toutotou sou woulèt abiman sèvis la, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 27 \x + \xo 39:27 \xo*\xt Egz 28:39,40,42 \xt*\x*Yo te fè tinik ki te tise an twal fen blan an pou Aaron, ak fis li yo, \v 28 epi tiban avèk len fen an ak chapo an twal fen blan yo, e pantalon an twal fen blan byen tòde yo, \v 29 epi sentiwon avèk twal fen blan an ak materyo ble, mov, e wouj, travay a yon tiseran, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 30 \x + \xo 39:30 \xo*\xt Egz 28:36,37 \xt*\x*Yo te fè plak pou kouwòn sen an avèk lò pi, e yo te enskri nan li tankou gravè a yon so: “Sen a SENYÈ a”. \v 31 Yo te tache kòd ble a ak li pou tache li nan tiban an pa anwo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 32 Konsa tout travay a tabènak tant reyinyon an te konplete; epi fis Israël yo te fè tout bagay selon sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la; konsa yo te fè l. \p \v 33 Yo te mennen tabènak la vè Moïse, tant lan avèk tout sa ki te founi li yo: kwòk li yo, planch li yo, travès li yo, ak pilye li yo avèk baz reseptikal li yo; \v 34 epi kouvèti po belye fonse wouj yo, kouvèti po dofen yo, ak vwal rido pòtay la; \v 35 lach a temwayaj la avèk poto li yo, ak chèz pwopyatwa a; \v 36 tab la, tout bagay itil li yo, ak pen a Prezans lan; \v 37 chandelye fèt an lò pi a, avèk aranjman pou lanp yo ak tout bagay itil li yo, ak lwil pou limyè a; \v 38 epi lotèl fèt an lò a, lwil onksyon an, lansan santi bon an, ak vwal pou pòtay tant lan; \v 39 lotèl an bwonz lan ak griyaj bwonz pa li, avèk poto pa li yo ak tout bagay itil li yo, basen lave a avèk baz li; \v 40 afè pandye yo pou galeri a, pilye li yo, baz reseptikal li yo, rido pou pòtay galeri a, kòd li yo, pikèt li yo, ak tout afè pou sèvis tabènak la, pou tant reyinyon an; \v 41 vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt. \p \v 42 Alò, fis Israël yo te fè tout travay la selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo. \v 43 Epi Moïse te egzamine tout travay la, e gade byen, konsa yo te fè li; jis jan ke SENYÈ a te kòmande a, se sa yo te fè. Epi Moïse te \x + \xo 39:43 \xo*\xt Luc 9:22,23 \xt*\x*beni yo. \c 40 \p \v 1 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: \v 2 “\x + \xo 40:2 \xo*\xt Egz 19:1 \xt*\x*Nan premye jou mwa a ou va monte tabènak tant reyinyon an. \v 3 \x + \xo 40:3 \xo*\xt Egz 26:33 \xt*\x*Ou va plase lach temwayaj la, e ou va kouvri lach la avèk vwal la. \v 4 Ou va \x + \xo 40:4 \xo*\xt Egz 26:35 \xt*\x*mennen tab la antre, e ou va ranje li avèk sa ki dwe sou li. Konsa, ou va mennen fè lantre chandelye a, e lime lanp li yo. \p \v 5 “Anplis, ou va \x + \xo 40:5 \xo*\xt Egz 40:26 \xt*\x*plase lotèl lò a pou lansan devan lach temwayaj la, e ou va monte vwal la pou pòtay tabènak tant reyinyon an. \p \v 6 “Ou va plase lotèl ofrann brile a devan pòtay a tabènak tant reyinyon an. \v 7 Ou va plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la e ou va mete dlo nan li.\x + \xo 40:7 \xo*\xt Egz 30:18 \xt*\x* \v 8 Ou va monte galeri a toutotou e ou va pann vwal la pou pòtay galeri a. \p \v 9 “Epi ou va pran lwil onksyon an e ou va \x + \xo 40:9 \xo*\xt Egz 30:26 \xt*\x*onksyone tabènak la ak tout sa ki ladann. Konsa, ou va konsakre li avèk tout afè li yo, epi li va sen. \v 10 Ou va onksyone lotèl ofrann brile a ak tout bagay itil li yo, epi ou va konsakre lotèl la. Konsa, \x + \xo 40:10 \xo*\xt Egz 29:37 \xt*\x*lotèl la va vin sen pase tout bagay. \v 11 Ou va onksyone basen lave a ak baz li, e ou va konsakre li. \p \v 12 “Konsa, ou va \x + \xo 40:12 \xo*\xt Lev 8:1-6 \xt*\x*mennen Aaron ak fis li yo vè pòtay tant reyinyon an, e ou va lave yo avèk dlo. \v 13 \x + \xo 40:13 \xo*\xt Egz 28:41 \xt*\x*Ou va mete vètman sen yo sou Aaron. Ou va onksyone Aaron, e konsakre li, pou li kapab vin sèvi kòm prèt Mwen. \v 14 Ou va mennen fis li yo pou mete tinik sou yo. \v 15 Konsa, ou va onksyone yo jis jan ke ou te onksyone papa yo, pou yo kapab vin sèvi kòm prèt pou Mwen. Onksyon pa yo va kalifye yo kòm prèt \x + \xo 40:15 \xo*\xt Egz 29:9 \xt*\x*pou tout tan atravè tout jenerasyon pa yo.” \p \v 16 Se konsa Moïse te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo, konsa li te fè. \p \v 17 Alò, \x + \xo 40:17 \xo*\xt Egz 40:2 \xt*\x*nan premye mwa nan dezyèm ane a, nan premye jou mwa a, tabènak la te monte. \v 18 Moïse te monte tabènak la. Li te poze baz reseptikal li yo, li te monte planch li yo, li te pozisyone travès li yo, e li monte pilye li yo. \v 19 Li te louvri tant lan sou tabènak la e li te mete kouvèti tant lan anwo li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 20 Konsa, li te pran \x + \xo 40:20 \xo*\xt II Kwo 5:10 \xt*\x*temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la. \v 21 Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te \x + \xo 40:21 \xo*\xt Egz 26:33 \xt*\x*monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 22 Anplis li te mete \x + \xo 40:22 \xo*\xt Egz 26:35 \xt*\x*tab la nan tant reyinyon an sou kote nò tabènak la, deyò vwal la. \v 23 Li te plase \x + \xo 40:23 \xo*\xt Egz 25:30 \xt*\x*pen, byen ranje an lòd devan SENYÈ a jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 24 Alò, li te mete chandelye a nan tant reyinyon an, sou kote sid tabènak la. \v 25 Li te \x + \xo 40:25 \xo*\xt Egz 25:37 \xt*\x*limen lap yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 26 Epi li te \x + \xo 40:26 \xo*\xt Egz 30:6 \xt*\x*plase lotèl lò a nan tant reyinyon an pa devan vwal la. \v 27 Li te \x + \xo 40:27 \xo*\xt Egz 30:7 \xt*\x*brile lansan santi bon an sou li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 28 Alò, li te monte vwal pòtay tabènak la. \v 29 Li te \x + \xo 40:29 \xo*\xt Egz 40:6\xt*\x*plase lotèl ofrann brile a devan pòtay tabènak tant reyinyon an, e li te \x + \xo 40:29 \xo*\xt Egz 29:38-42\xt*\x*ofri sou li ofrann brile a ak ofrann sereyal la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 30 Li te plase basen lave a antre tant reyinyon an ak lotèl la, e li te mete dlo ladann pou lave. \v 31 \x + \xo 40:31 \xo*\xt Egz 30:19-20 \xt*\x*Nan li, Moïse avèk Aaron avèk fis li yo te lave men yo avèk pye yo. \v 32 Lè yo te antre nan tant reyinyon an, e lè yo te apwoche lotèl la, yo te lave, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 33 Li te \x + \xo 40:33 \xo*\xt Egz 27:9-18 \xt*\x*monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la. \p \v 34 \x + \xo 40:34 \xo*\xt Nonb 9:15-23 \xt*\x*Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la. \v 35 Moïse \x + \xo 40:35 \xo*\xt I Wa 8:11 \xt*\x*pa t kapab antre nan tant reyinyon an, paske nyaj la te poze sou li, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la. \p \v 36 Pandan tout vwayaj pa yo, \x + \xo 40:36 \xo*\xt Nonb 9:17 \xt*\x*nenpòt lè ke nyaj la te leve anwo sou tabènak la, fis Israël yo te leve sòti pou fè vwayaj; \v 37 men \x + \xo 40:37 \xo*\xt Nonb 9:19-22 \xt*\x*si nyaj la pa t leve, alò, yo pa t vwayaje jis rive jou ke li te leve a. \v 38 Paske pandan tout vwayaj yo, \x + \xo 40:38 \xo*\xt Sòm 78:14 \xt*\x*nyaj SENYÈ a te sou tabènak la nan lajounen, e li te gen dife ladann lannwit, devan zye a tout kay Israël la.