\id EST \ide UTF-8 \h Esther \toc1 ESTHER \toc2 Esther \toc3 Est \mt1 ESTHER \c 1 \p \v 1 Alò li te vin rive nan tan \x + \xo 1:1 \xo*\xt Esd 4:6\xt*\x* Wa Assuréus la, menm Assuréus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo, \v 2 nan jou sa yo, pandan wa Assuréus te chita sou twòn wayal li a ki te nan sitadèl \x + \xo 1:2 \xo*\xt Né 1:1\xt*\x* Suse la, \v 3 nan twazyèm ane pouvwa li a, \x + \xo 1:3 \xo*\xt Est 2:18\xt*\x*li te fè yon gran fèt pou tout chèf li yo avèk asistan li yo, chèf lame Perse avèk Mèdes yo, moun prensipal lavil yo, avèk chèf pwovens li yo, tout moun ki te nan prezans li. \v 4 Konsa li te montre tout richès avèk glwa wayal li yo, avèk mayifisans a gran majeste li pandan anpil jou, san-katre-ven jou. \p \v 5 Lè jou sa yo te fin acheve, wa a te bay yon gwo bankè ki te dire pandan sèt jou pou tout moun ki te prezan nan sitadèl Suse la, soti nan sila ki pi pwisan an jis rive nan sila ki pi piti a, nan \x + \xo 1:5 \xo*\xt Est 7:7-8\xt*\x* lakou jaden a palè wa a. \v 6 \x + \xo 1:6 \xo*\xt Éz 23:41\xt*\x* Te gen bagay pann ki fèt an len fen blan e vyolèt ki te kenbe pa kòd fèt an len fen mov, wondèl an ajan avèk pilye an mèb. Devan yo te fèt an lò avèk ajan te plase sou yon pave mozayik ki fèt ak mab wouj, mab blan, gwo pèl klere avèk pyè presye. \v 7 Bwason yo te sèvi nan veso an lò a plizyè kalite, e diven wayal la te anpil, \x + \xo 1:7 \xo*\xt Est 2:18\xt*\x* selon bonte a wa a. \v 8 Jan yo te bwè se te selon lalwa, san fòse moun, paske wa a te pase lòd a chak ofisye a chak kay ke li ta dwe fè sa selon dezi a chak moun. \p \v 9 Anplis, Larenn Vasthi te bay yon bankè pou fanm nan palè ki te pou Wa Assuérus la. \p \v 10 Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus, \v 11 pou mennen fè parèt nan prezans li, rèn nan, Vasthi, avèk \x + \xo 1:11 \xo*\xt Est 2:17\xt*\x*kouwòn wayal la, pou montre bèlte li a pèp la e a moun pwisan yo, paske li te tèlman bèl. \v 12 Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l. \p \v 13 Alò, wa a te mande a \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jr 10:7\xt*\x*mesye saj ki te konprann tan yo—paske se te koutim a wa a pou pale devan tout sila ki te konprann lalwa a avèk jistis; \v 14 epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, \x + \xo 1:14 \xo*\xt II Wa 25:19\xt*\x*ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan— \v 15 “Selon lalwa a, se kisa ki ta dwe fèt avèk rèn Vasthi, akoz li pa t obeyi lòd a Wa Assuérus ki te livre pa enik yo?” \p \v 16 Nan prezans a wa a avèk chèf yo, Memucan te di: “Rèn Vasthi te fè tò a wa a, men anplis tout moun nan pwovens a Wa Assuérus yo. \v 17 Paske, si kondwit a rèn nan vin rekonèt a tout fanm yo pou fè yo vin gade mari yo avèk mepriz, epi vin di: ‘Wa Assuérus te kòmande rèn Vasthi pou parèt devan l, men li pa t vini.’ \v 18 Nan jou sa a, fanm a Perse avèk Médie ki te tande afè kondwit rèn nan, va pale tout chèf a wa a nan menm fason an, e va genyen anpil mepriz avèk mekontantman. \p \v 19 “Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l \x + \xo 1:19 \xo*\xt Est 8:8\xt*\x*pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a yon lòt moun ki pi merite l pase li. \v 20 Lè dekrè ke a wa a va fè a tande nan tout wayòm li an, ki tèlman gran, alò \x + \xo 1:20 \xo*\xt Ef 5:22\xt*\x*tout fanm va gen respè a mari yo, kit gran, kit piti.” \p \v 21 Pawòl sa a te fè wa a kontan, avèk chèf yo, epi wa a te fè kon Memucan te pwopoze a. \v 22 Konsa, li te voye lèt a tout pwovens a wa yo, a chak pwovens selon ekriti pa li, e a chak pèp selon langaj pa yo, ke tout mesye yo ta dwe \x + \xo 1:22 \xo*\xt Ef 5:22-24\xt*\x* mèt nan pwòp kay pa yo, e sila te pale nan lang a pwòp pèp li. \c 2 \p \v 1 Apre bagay sa yo, \x + \xo 2:1 \xo*\xt Est 1:19-20\xt*\x* lè kòlè a Wa Assuérus te vin kalme, li te sonje Vasthi ak sa li te fè a, e dekrè ki te fèt kont li an. \v 2 Alò, asistan a wa a ki te sèvi li yo, te di: \x + \xo 2:2 \xo*\xt I Wa 1:2\xt*\x*“Annou fè rechèch pou jwenn jenn vyèj ki byen bèl pou wa a. \v 3 Kite wa a apwente sipèvizè nan \x + \xo 2:3 \xo*\xt Est 1:1-2\xt*\x* tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo. \v 4 Alò, kite jenn fi ki bay wa a plezi a, vin regne la nan plas a Vasthi a.” Koze a te fè wa a kontan e se konsa li te fè l. \p \v 5 Te gen nan sitadèl Suse la, yon Jwif ki te rele \x + \xo 2:5 \xo*\xt Est 3:2\xt*\x* Mardochée, fis a Jaïr, fis a Schimeï, fis a Kis, yon Benjamit, \v 6 \x + \xo 2:6 \xo*\xt II Wa 24:14-15\xt*\x* ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a. \v 7 Li t ap elve Hadassa, sa vle di, \x + \xo 2:7 \xo*\xt Est 2:15\xt*\x* Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li. \p \v 8 Konsa, li te vin rive ke lè kòmand avèk dekrè a wa a te tande e anpil jèn fi te ranmase nan sitadèl Suse la sou sipèvizyon a \x + \xo 2:8 \xo*\xt Est 2:3-15\xt*\x*Hégaï, ke Esther te pran pou antre nan palè a wa a, anba sipèvizyon a Hégaï, ki te responsab fanm yo. \v 9 Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li \x + \xo 2:9 \xo*\xt Est 2:3-20\xt*\x* tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo. \v 10 \x + \xo 2:10 \xo*\xt Est 2:20\xt*\x* Esther pa t fè pèsòn konnen ras pèp li a ni fanmi li yo, paske Mardochée te enstwi li pou li pa ta dwe fè sa rekonèt. \v 11 Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache. \p \v 12 Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil lami a, e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm— \v 13 Men kòman jèn fi a ta antre kote wa a: nenpòt bagay ke li te dezire, ta bay a li menm pou pran avè l soti lakay fanm yo pou rive nan palè a wa a. \v 14 Nan aswè, li ta ale ladann e nan maten, li ta retounen nan dezyèm kay fanm yo, sou responsabilite Schaaschgaz, enik a wa a ki te an chaj konkibin a wa yo. Li pa t antre kote wa a ankò sof ke wa a te kontan anpil avèk li e te rele li eksprè pa non l. \p \v 15 Alò lè lè pou Esther, \x + \xo 2:15 \xo*\xt Est 2:7\xt*\x*fi de Abichaïl la, tonton li, Mardochée, ki te pran li kon pwòp pitit pa li, te rive antre kote wa a, li pa t mande anyen sof ke sa ke Hégaï, enik a wa a ki te an chaj fanm yo, te konseye yo. Epi Esther te jwenn favè nan zye a tout moun ki te wè l yo. \p \v 16 Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a. \v 17 Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske \x + \xo 2:17 \xo*\xt Est 1:11\xt*\x*li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a. \p \v 18 Epi wa a te bay yon gran bankè pou tout chèf li yo ak sèvitè li yo. Li te rele l bankè Esther. Li te pwokame l yon jou fèt pou pwovens yo, epi li te bay yo kado \x + \xo 2:18 \xo*\xt Est 1:7\xt*\x* selon jenewozite a wa a. \p \v 19 Lè vyèj yo te reyini ansanm yon dezyèm fwa a, alò, Mardochée \x + \xo 2:19 \xo*\xt Est 2:21\xt*\x*t ap chita nan pòtay a wa a. \v 20 Esther potko fè yo konnen fanmi li yo, ni pèp li a, jis jan ke Mardochée te bay li lòd fè a, jis jan li te fè \x + \xo 2:20 \xo*\xt Est 2:7\xt*\x*lè se te li ki t ap swaye li a. \v 21 Nan jou sa yo, pandan Mardochée te chita nan pòtay palè a wa a, \x + \xo 2:21 \xo*\xt Est 6:2\xt*\x* Bigthan avèk Théresch, de ofisye a wa yo ki t ap veye pòt la, te vin fache, e te chache mete men sou wa Assuérus. \v 22 Men konplo a te vin rekonèt pa Mardochée e \x + \xo 2:22 \xo*\xt Est 6:1-2\xt*\x* li te pale rèn Esther, e Esther te pale wa a nan non a Mardochée. \v 23 Alò, lè yo fè rechèch nan konplo a e jwenn bout li, yo tou de te pann sou yon bwa; epi sa te ekri nan \x + \xo 2:23 \xo*\xt Est 10:2\xt*\x*Liv Achiv Kwonik Yo nan prezans wa a. \c 3 \p \v 1 Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te \x + \xo 3:1 \xo*\xt Est 5:11\xt*\x*elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo. \v 2 Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men \x + \xo 3:2 \xo*\xt Est 2:19\xt*\x*Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè. \v 3 Alò, \x + \xo 3:3 \xo*\xt Est 2:19\xt*\x*sèvitè a wa yo te di a Mardochée: “Poukisa w ap dezobeyi lòd a wa a?” \v 4 Alò, li te rive ke lè yo te pale chak jou avèk li e li te refize koute yo, ke yo te pale Haman pou wè si koz a Mardochée a ta kanpe, paske li te di yo ke se yon Jwif li te ye. \v 5 Lè Haman te wè ke \x + \xo 3:5 \xo*\xt Est 5:9\xt*\x*Mardochée pa t bese ni ba li onè, Haman te ranpli avèk laraj. \v 6 Men li pa t satisfè pou mete men l sou Mardochée sèl, paske yo te fè l konnen pèp Mardochée a. Konsa, Haman te \x + \xo 3:6 \xo*\xt Sòm 83:4\xt*\x*chache detwi tout Jwif yo, pèp Mardochée a, ki te toupatou nan tout wayòm Assuérus la. \p \v 7 Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur a, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, \x + \xo 3:7 \xo*\xt Esd 6:15\xt*\x*mwa Adar a. \v 8 Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; \x + \xo 3:8 \xo*\xt Esd 4:12-15\xt*\x*lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la. \v 9 Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.” \p \v 10 Konsa, \x + \xo 3:10 \xo*\xt Jen 41:42 \xt*\x*wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo. \v 11 Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.” \p \v 12 Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a \x + \xo 3:12 \xo*\xt Esd 8:36\xt*\x*reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a. \v 13 Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo \x + \xo 3:13 \xo*\xt Est 7:4\xt*\x*pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar a, e pou \x + \xo 3:13 \xo*\xt Est 8:11\xt*\x*sezi tout byen pa yo kon piyaj. \v 14 \x + \xo 3:14 \xo*\xt Est 8:13-14\xt*\x*Yon kopi a dekrè a te dwe sikile kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo pou yo ta prepare pou jou sa a. \v 15 Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men \x + \xo 3:15 \xo*\xt Est 8:15\xt*\x*lavil Suse te twouble. \c 4 \p \v 1 Lè Mardochée te vin aprann \x + \xo 4:1 \xo*\xt Est 3:8-10\xt*\x*tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim. \v 2 Li te rive jis nan pòtay a wa a, paske nanpwen pèsòn ki te abiye an twal sak ki ta kab antre sou pòtay a kay wa a. \v 3 Nan chak pwovens kote lòd la avèk dekrè a wa a te rive, te gen gwo doulè pami Jwif yo, avèk \x + \xo 4:3 \xo*\xt Est 4:16 \xt*\x*fè jèn, gwo kriye avèk lamantasyon. Epi anpil te kouche sou twal sak avèk sann. \p \v 4 Konsa, sèvant a Esther yo avèk enik li yo te vin di li sa, e rèn nan te tòde vire ak gwo lapèn. Konsa, li te voye rad pou abiye Mardochée pou l ta kab retire twal sak la sou li, men li te refize. \v 5 Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa? \v 6 Konsa, Hathac te sòti ale kote Mardochée nan plas lavil la devan pòtay a wa a. \v 7 Mardochée te rakonte li tout sa ki te rive li \x + \xo 4:7 \xo*\xt Est 3:9\xt*\x*an detay, kantite fòs ajan ke Haman te fè pwomès pou bay nan kès a wa a pou fin detwi tout Jwif yo. \v 8 Anplis, li te bay li \x + \xo 4:8 \xo*\xt Est 3:14\xt*\x*yon kopi a dekrè ki te pibliye Suse la pou detwi yo, pou li ta kapab montre Esther pou fè l konnen e bay li lòd pou rive antre kote wa a pou plede pou favè li e plede avè l pou pwoteksyon pèp li a. \p \v 9 Hathac te retounen e te fè Esther konnen pawòl a Mardochée yo. \v 10 Esther te pale avèk Hathac e te mande li bay repons a Mardochée: \v 11 “Tout sèvitè a wa yo avèk pèp an pwovens a wa yo byen konnen ke si nenpòt gason oswa fanm \x + \xo 4:11 \xo*\xt Est 5:1\xt*\x*antre devan wa a nan lakou enteryè a san envite pa li menm, li gen yon sèl lwa; ke li va mete a lanmò, sof ke wa a lonje baton a wa a pou l kab viv. Epi mwen pa t envite kote wa a pandan trant jou sila yo.” \p \v 12 Yo te pataje pawòl a Esther yo avèk Mardochée. \v 13 Epi Mardochée te di yo reponn a Esther: “Pa imajine ke ou menm nan palè a wa a kab gen chans chape plis ke tout lòt Jwif yo. \v 14 Paske, si ou rete an silans nan moman sa a, sekou avèk \x + \xo 4:14 \xo*\xt Lev 26:42\xt*\x*delivrans va sòti pou Jwif yo soti yon lòt kote, e ou menm avèk lakay papa ou va peri. Kilès ki kab konnen si se pa pou moman sa a ke ou te rive nan pozisyon wayal sila a.” \p \v 15 Alò, Esther te di yo prepare reponn Mardochée, \v 16 “Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va \x + \xo 4:16 \xo*\xt Jl 1:14\xt*\x*fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.” \v 17 Konsa, Mardochée te sòti ale fè jis sa ke Esther te bay li lòd fè a. \c 5 \p \v 1 Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan \x + \xo 5:1 \xo*\xt Est 4:11\xt*\x*lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a. \v 2 Lè wa a te wè Esther, rèn nan, te kanpe nan lakou a, \x + \xo 5:2 \xo*\xt Est 2:9\xt*\x*li te twouve favè nan zye li. Konsa, \x + \xo 5:2 \xo*\xt Est 4:11\xt*\x*wa a te lonje baton a wa a fèt an lò ki te nan men l lan, vè Esther. Pou sa, Esther te pwoche pre pou te touche pwent an wo baton an. \p \v 3 Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? \x + \xo 5:3 \xo*\xt Est 7:2\xt*\x*Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.” \p \v 4 Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.” \p \v 5 Alò wa a te di: \x + \xo 5:5 \xo*\xt Est 6:14\xt*\x*“Mennen Haman byen vit pou nou kapab fè kon Esther vle a.” Konsa, wa a avèk Haman te vini nan bankè ke Esther te prepare a. \p \v 6 Pandan yo t ap bwè diven nan bankè a, \x + \xo 5:6 \xo*\xt Est 7:2\xt*\x* wa a te di a Esther: “Se ki petisyon ke ou ap fè a, paske li va bay a ou menm. Kisa menm ou ap mande a? Menm jis mwatye wayòm nan, li va fèt.” \p \v 7 Konsa, Esther te reponn: “Men petisyon mwen an e sa ke m mande a: \v 8 \x + \xo 5:8 \xo*\xt Est 7:3\xt*\x*Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.” \p \v 9 Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée \x + \xo 5:9 \xo*\xt Est 2:19\xt*\x* nan pòtal palè a wa a, e \x + \xo 5:9 \xo*\xt Est 3:5\xt*\x*te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée. \v 10 Haman te kontwole tèt li menm malgre sa e te ale lakay li pou te voye chache zanmi li yo avèk madanm li, \x + \xo 5:10 \xo*\xt Est 6:13\xt*\x* Zérescha. \v 11 Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite petit li yo, chak moman ke wa a te \x + \xo 5:11 \xo*\xt Est 3:1\xt*\x* leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a. \p \v 12 Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi \x + \xo 5:12 \xo*\xt Est 5:8\xt*\x*demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a. \v 13 Malgre tout sa, mwen vin pa kontan chak fwa ke m wè Mardochée, Jwif ki chita nan \x + \xo 5:13 \xo*\xt Est 5:9\xt*\x*pòtay a wa a.” \p \v 14 Epi Zéresch, madanm li an, te di li: \x + \xo 5:14 \xo*\xt Est 6:4\xt*\x*“Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la. \c 6 \p \v 1 Pandan nwit lan, wa a \x + \xo 6:1 \xo*\xt Det 6:16\xt*\x*pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a. \v 2 Li te twouve ekri ladann sa ke \x + \xo 6:2 \xo*\xt Est 2:21-22\xt*\x*Mardochée te rapòte konsènan Bigthan avèk Théresch la, de nan enik wa ki te gadyen pòtay yo, ki te chache pou mete men yo sou wa Assuérus la. \v 3 Wa a te mande: “Ki distenksyon oswa onè yo te bay a Mardochée pou sèvis sa a?” \p Sèvitè a wa yo te di: “Anyen pa t fèt pou li.” \p \v 4 Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè \x + \xo 6:4 \xo*\xt Est 5:14\xt*\x*pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a. \p \v 5 Sèvitè a wa a te di li: “Men gade byen, Haman kanpe nan lakou a.” Epi wa a te di li: “Kite li antre.” \v 6 Pou sa, Haman te antre anndan e wa a te di li: “Kisa ki ta dwe fèt pou nonm nan\x + \xo 6:6 \xo*\xt Est 6:7-11\xt*\x*ke wa a dezire onore a?” Epi Haman te di nan tèt li: “Se kilès wa a ta vle onore plis ke mwen menm nan?” \v 7 Epi Haman te di a wa a: “Pou nonm ke wa a vle onore a, \v 8 kite yo mennen yon vètman wayal ke wa a te konn mete, avèk \x + \xo 6:8 \xo*\xt I Wa 1:33\xt*\x*cheval ke wa a te konn monte e sou tèt a sila, yon kouwòn wa a te fin mete. \v 9 Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la \x + \xo 6:9 \xo*\xt Jen 41:43\xt*\x*e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’” \p \v 10 Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.” \p \v 11 Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.” \p \v 12 Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, \x + \xo 6:12 \xo*\xt II Sam 15:30\xt*\x* ak tèt li kouvri. \v 13 Haman te rakonte a \x + \xo 6:13 \xo*\xt Est 5:10\xt*\x*Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.” \v 14 Pandan yo t ap toujou pale avèk li, enik a wa yo te rive e byen prese, yo te \x + \xo 6:14 \xo*\xt Est 5:8\xt*\x*mennen Haman nan bankè ke Esther te prepare a. \c 7 \p \v 1 Alò, wa a avèk Haman te vini pou bwè diven an avèk Esther, rèn nan. \v 2 Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, \x + \xo 7:2 \xo*\xt Est 5:6\xt*\x*“Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.” \p \v 3 Rèn Esther te reponn: \x + \xo 7:3 \xo*\xt Est 5:8\xt*\x*“Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande. \v 4 Paske \x + \xo 7:4 \xo*\xt Est 3:9\xt*\x*nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, \x + \xo 7:4 \xo*\xt Est 3:13\xt*\x*pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.” \p \v 5 Konsa, Wa Assuérus te mande rèn Esther, “Ki moun li ye e kibò li ye, ki ta pwopoze fè afè sila a?” \p \v 6 Esther te di: \x + \xo 7:6 \xo*\xt Est 3:10\xt*\x*“Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!” \p Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan. \v 7 Wa a nan kòlè li \x + \xo 7:7 \xo*\xt Est 1:12\xt*\x*te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay. \v 8 Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou \x + \xo 7:8 \xo*\xt Est 1:6\xt*\x*sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman. \p \v 9 Alò Harbona, youn nan enik yo devan wa a te di: “Gade byen, anverite, \x + \xo 7:9 \xo*\xt Est 5:14\xt*\x*men wo etaj senkant koude nan wotè ki kanpe kote kay Haman an, ke li te fè pou Mardochée ki te pale byen pou wa a!” \p Epi wa a te di: “Pann li sou li!” \p \v 10 \x + \xo 7:10 \xo*\xt Sòm 7:16\xt*\x*Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese. \c 8 \p \v 1 Nan menm jou sa a, Wa Assuérus te bay lakay Haman, lènmi a Jwif yo, a rèn Esther. Mardochée te parèt devan wa a, paske Esther te pale wa a \x + \xo 8:1 \xo*\xt Est 2:7-15\xt*\x*sa li te ye pou li. \v 2 Wa a te fin retire bag so ke li te retire nan men a Haman an e te bay li a Mardochée. Konsa, Esther te plase Mardochée sou kay Haman an. \p \v 3 Esther te pale ankò a wa a, te tonbe nan pye li, te kriye e te sipliye li pou evite mechanste Haman an, Agagit la, avèk konplo ke li te prepare kont Jwif yo. \v 4 \x + \xo 8:4 \xo*\xt Est 4:11\xt*\x*Wa a te lonje baton an lò a vè Esther. Konsa, Esther te leve kanpe devan wa a. \v 5 Li te di: “Si sa fè wa a plezi, si mwen te twouve favè devan li, wa a twouve koz sa a bon, e sa fè kè l kontan pou wè m, kite li ekri pou anile \x + \xo 8:5 \xo*\xt Est 3:13\xt*\x*lèt ki te manevre pa Haman an, fis a Hammedatha a, Agagit la, ke li te ekri pou detwi Jwif ki nan tout pwovens a wa yo. \v 6 Paske, \x + \xo 8:6 \xo*\xt Est 7:4\xt*\x*kijan mwen kab sipòte wè gwo dezas ki va rive pèp mwen an, e kijan mwen kab sipòte wè destriksyon a fanmi mwen yo?” \p \v 7 Pou sa, Wa Assuérus te pale a rèn Esther e a Mardochée, Jwif la: “Veye byen, \x + \xo 8:7 \xo*\xt Est 8:1\xt*\x*Mwen te bay lakay Haman a Esther e li menm, yo te pann li sou wo etaj la akoz li te lonje men li kont Jwif yo. \v 8 Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a \x + \xo 8:8 \xo*\xt Est 1:19\xt*\x* p ap kapab anile.” \p \v 9 Pou sa, grefye a wa yo te rele nan lè sa a nan twazyèm mwa a (sa vle di, mwa Sivan an), nan twazyèm jou a; epi, li te ekri selon tout sa ke Mardochée te kòmande a Jwif yo, reprezantan a wa yo nan pwovens yo, gouvènè yo, avèk chèf a pwovens ki te lonje rive soti nan Inde jis rive Ethiopie, san-venn-sèt pwovens, a \x + \xo 8:9 \xo*\xt Est 1:22\xt*\x*chak pwovens selon ekriti pa li e a chak pèp selon langaj yo, epi anplis a Jwif yo selon ekriti pa yo, avèk langaj pa yo. \v 10 Li te ekri nan non a Wa Assuérus, te sele li avèk bag so a wa a e te voye lèt yo pa mesaje yo monte sou \x + \xo 8:10 \xo*\xt I Wa 4:28\xt*\x*cheval ki te nan ras cheval wayal yo. \v 11 Nan lèt sa yo, wa a te bay dwa a Jwif yo nan chak vil, pou \x + \xo 8:11 \xo*\xt Est 9:2\xt*\x*rasanble e fè defans lavi yo, \x + \xo 8:11 \xo*\xt Est 3:13\xt*\x*pou detwi, pou touye e pou anile tout lame a nenpòt pèp oswa pwovens ki ta vin atake yo, menm ansanm avèk pitit yo ak fanm yo, e piyaje byen yo, \v 12 nan \x + \xo 8:12 \xo*\xt Est 3:13\xt*\x*yon sèl jou nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, (sa vle di, mwa Adar a). \v 13 \x + \xo 8:13 \xo*\xt Est 3:14\xt*\x*Yon kopi a dekrè a te gen pou pibliye kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo, pou Jwif yo ta parèt nan jou sila pou fè revandikasyon yo sou lènmi yo. \v 14 Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la. \p \v 15 Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi \x + \xo 8:15 \xo*\xt Est 3:15\xt*\x*lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi. \v 16 \x + \xo 8:16 \xo*\xt Sòm 97:11\xt*\x*Pou Jwif yo, te gen limyè, kè kontan, lajwa avèk lonè. \v 17 Nan chak pwovens nèt ak nan chak vil nenpòt kote lòd a wa a avèk dekrè li te rive a, te gen kè kontan avèk lajwa pou Jwif yo, yon fèt bankè avèk yon \x + \xo 8:17 \xo*\xt Est 9:19\xt*\x*jou fèt. Epi \x + \xo 8:17 \xo*\xt Est 9:27 \xt*\x*anpil moun pami pèp peyi yo te vin Jwif yo, paske krent a Jwif yo te vin tonbe sou yo. \c 9 \p \v 1 Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar a), sou trèzyèm jou a, \x + \xo 9:1 \xo*\xt Est 3:13\xt*\x*lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo. \v 2 Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, \x + \xo 9:2 \xo*\xt Est 8:17\xt*\x*paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo. \v 3 Menm tout chèf pwovens yo, \x + \xo 9:3 \xo*\xt Esd 8:36\xt*\x*reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo. \v 4 Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, \x + \xo 9:4 \xo*\xt II Sam 3:1\xt*\x*te vin pi gwo e pi gwo. \v 5 Konsa, \x + \xo 9:5 \xo*\xt Est 3:13\xt*\x* Jwif yo te frape tout lènmi yo avèk nepe, te touye e detwi. Yo te fè sa yo te pito a sila ki te rayi yo. \v 6 Nan sitadèl Suse la, Jwif yo te touye e detwi senk-san òm. \v 7 Yo te touye Parchandatha, Dalphon, Aspatha, \v 8 Poratha, Adalia, Aridatha, \v 9 Parmaschtha, Arizaï, Aridaï avèk Vajezatha, \v 10 dis fis a Haman yo, fis a Hammedatha yo, lènmi a Jwif yo. Men yo te refize touche piyaj la. \p \v 11 Nan menm jou sa a, fòs kantite a sila ki te touye nan sitadèl Suse la te rapòte a wa a. \v 12 Wa a te di a rèn Esther: “Jwif yo te fin touye e detwi senk-san moun avèk fis a Haman yo nan sitadèl Suse la. Alò, konsa se kisa ke yo gen tan fè nan lòt pwovens a wa yo!” \x + \xo 9:12 \xo*\xt Est 5:6\xt*\x*Koulye a, se ki petisyon ou? Menm li menm va bay a ou menm. Epi kisa ou mande anplis? Li menm tou va fèt. \p \v 13 Epi Esther te di: “Si sa se plezi a wa a, \x + \xo 9:13 \xo*\xt Est 8:11\xt*\x*kite demen, anplis, vin bay a Jwif ki nan Suse yo, pou fè menm ak dekrè ki pou jodi a; epi kite dis fis a Haman yo vin pann sou wo etaj la.” \p \v 14 Pou sa, wa a te kòmande pou li ta fèt konsa. Yon dekrè te pibliye nan Suse e dis fis a Haman yo te pann. \v 15 Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar a e te touye twa-san moun nan Suse, men \x + \xo 9:15 \xo*\xt Est 9:10\xt*\x*yo pa t mete men yo sou piyaj la. \p \v 16 Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te \x + \xo 9:16 \xo*\xt Lev 26:7-8\xt*\x*rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la. \v 17 Sa te fèt nan \x + \xo 9:17 \xo*\xt Est 9:1\xt*\x*trèzyèm jou nan mwa Adar e nan katòzyèm jou a, yo te repoze e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans. \p \v 18 Men \x + \xo 9:18 \xo*\xt Est 8:11\xt*\x*Jwif ki te nan Suse yo te rasanble nan trèzyèm avèk katòzyèm jou nan menm mwa a. Men yo te repoze nan kenzyèm jou a, e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans. \v 19 Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan \x + \xo 9:19 \xo*\xt Det 3:5\xt*\x*lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar a yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt. \p \v 20 Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo, \v 21 pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar a avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane, \v 22 paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te \x + \xo 9:22 \xo*\xt Sòm 30:11\xt*\x*vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou \x + \xo 9:22 \xo*\xt Né 8:12\xt*\x*voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo. \v 23 Konsa, Jwif yo te acheve fè sa ke yo te kòmanse fè a e menm sa ke Mardochée te ekri yo. \v 24 Paske Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, advèsè a tout Jwif yo, te manevre kont Jwif yo pou detwi yo, e \x + \xo 9:24 \xo*\xt Est 3:7\xt*\x*te voye Pur, sa vle di osò, pou deranje yo ak detwi yo. \v 25 Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt \x + \xo 9:25 \xo*\xt Est 3:6-15\xt*\x*ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la. \p \v 26 Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi \x + \xo 9:26 \xo*\xt Est 9:20\xt*\x*akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te wè konsa ak sa ki te rive yo, \v 27 \x + \xo 9:27 \xo*\xt Est 9:20-21\xt*\x*Jwif yo te etabli e te fè kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te fè alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane. \v 28 Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou sila yo a Purim pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo. \p \v 29 Epi rèn Esther, \x + \xo 9:29 \xo*\xt Est 2:15\xt*\x*fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim. \v 30 Li te voye lèt yo a tout Jwif \x + \xo 9:30 \xo*\xt Est 1:1\xt*\x*nan san-venn-sèt pwovens a wayòm Assuérus yo, avèk pawòl lapè ak verite, \v 31 pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon \x + \xo 9:31 \xo*\xt Est 4:3\xt*\x*pou tan jèn avèk lamantasyon yo. \v 32 Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou \x + \xo 9:32 \xo*\xt Est 9:26\xt*\x*Purim, e sa te ekri nan liv la. \c 10 \p \v 1 Alò Wa Assuérus te \x + \xo 10:1 \xo*\xt És 11:11\xt*\x*enpoze yon taks sou peyi a avèk \x + \xo 10:1 \xo*\xt És 11:11\xt*\x* peyi kot lanmè yo. \v 2 Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak \x + \xo 10:2 \xo*\xt Est 8:15\xt*\x*wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo? \v 3 Paske Mardochée, Jwif la, te \x + \xo 10:3 \xo*\xt Jen 41:43-44 \xt*\x* sèl dezyèm a Wa Assuérus la, byen gran pami Jwif yo, e byen renmen pa gwo fanmi li, tankou \x + \xo 10:3 \xo*\xt Né 2:10 \xt*\x*yon moun ki te chache sa ki bon pou pèp li, e yon moun ki te pale lapè a tout desandan li yo.