\id EPH \ide UTF-8 \h Efezyen Yo \toc1 EFEZYEN YO \toc2 Efezyen Yo \toc3 Ef \mt1 EFEZYEN YO \c 1 \p \v 1 Paul \x + \xo 1:1 \xo*\xt II Kor 1:1\xt*\x*yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, a sen ki an Éphèse yo \x + \xo 1:1 \xo*\xt Kol 1:2\xt*\x*ki fidèl nan Jésus Kri: \v 2 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Wo 1:7\xt*\x*Lagras pou nou ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a, Jésus Kri. \p \v 3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a \x + \xo 1:3 \xo*\xt Ef 1:20\xt*\x*nan lye selès an Kris yo. \v 4 Jis jan \x + \xo 1:4 \xo*\xt Ef 2:10\xt*\x*Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, \v 5 li te \x + \xo 1:5 \xo*\xt Wo 8:29\xt*\x*chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. \v 6 \x + \xo 1:6 \xo*\xt Ef 1:12,14\xt*\x*Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan \x + \xo 1:6 \xo*\xt Mat 3:17\xt*\x*Li menm Ki Byeneme a. \v 7 \x + \xo 1:7 \xo*\xt Kol 1:14\xt*\x*Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, \v 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, \v 9 li te \x + \xo 1:9 \xo*\xt Wo 11:25\xt*\x*fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, \v 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule \x + \xo 1:10 \xo*\xt Mc 1:15\xt*\x*lè tan an fin akonpli, pou \x + \xo 1:10 \xo*\xt Kol 1:16,20\xt*\x*reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm \v 11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan \x + \xo 1:11 \xo*\xt Wo 8:28\xt*\x*selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache \x + \xo 1:11 \xo*\xt Wo 9:11\xt*\x*selon konsèy volonte pa Li, \v 12 afenke nou menm ki te premye espere nan \x + \xo 1:12 \xo*\xt Ef 1:6,14\xt*\x*Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li. \v 13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te \x + \xo 1:13 \xo*\xt Ef 4:30\xt*\x*sele nan Li menm avèk \x + \xo 1:13 \xo*\xt Trav 2:33\xt*\x*Lespri Sen a pwomès la, \v 14 ki \x + \xo 1:14 \xo*\xt II Kor 1:22\xt*\x*bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li. \p \v 15 Pou rezon sa a, mwen menm tou \x + \xo 1:15 \xo*\xt I Kor 1:4\xt*\x*lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, \v 16 m \x + \xo 1:16 \xo*\xt Wo 1:8\xt*\x*pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè \v 17 ke \x + \xo 1:17 \xo*\xt Jn 20:17\xt*\x*Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. \v 18 M priye pou \x + \xo 1:18 \xo*\xt II Kor 4:6\xt*\x*zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. \v 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, \x + \xo 1:19 \xo*\xt Ef 3:7\xt*\x*selon travay de fòs pouvwa Li a. \v 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li \x + \xo 1:20 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, \v 21 pi wo anpil pase \x + \xo 1:21 \xo*\xt Mat 28:18\xt*\x*tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. \v 22 Epi Li te \x + \xo 1:22 \xo*\xt Sòm 8:6\xt*\x*mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, \v 23 ki se \x + \xo 1:23 \xo*\xt I Kor 12:27\xt*\x*kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt. \c 2 \p \v 1 Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te \x + \xo 2:1 \xo*\xt Ef 2:5\xt*\x*fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. \v 2 Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon \x + \xo 2:2 \xo*\xt Jn 12:31\xt*\x*prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan \x + \xo 2:2 \xo*\xt Ef 5:6\xt*\x*fis a dezobeyisans yo. \v 3 Pami yo, nou tou te konn viv \x + \xo 2:3 \xo*\xt Gal 5:16\xt*\x*nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te \x + \xo 2:3 \xo*\xt Wo 2:14\xt*\x*pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. \v 4 Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz \x + \xo 2:4 \xo*\xt Jn 3:16\xt*\x*gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, \v 5 ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. \x + \xo 2:5 \xo*\xt Trav 15:11\xt*\x*Pa lagras nou te sove a. \v 6 Li te \x + \xo 2:6 \xo*\xt Kol 2:12\xt*\x*leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, \v 7 pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou \x + \xo 2:7 \xo*\xt Wo 2:4\xt*\x*richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. \v 8 Paske se \x + \xo 2:8 \xo*\xt Trav 15:11\xt*\x*pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. \v 9 \x + \xo 2:9 \xo*\xt Wo 3:28\xt*\x* Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. \v 10 Paske nou se èv Li, \x + \xo 2:10 \xo*\xt Kol 3:10\xt*\x*kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo. \p \v 11 Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele \x + \xo 2:11 \xo*\xt Wo 2:28\xt*\x*“Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, \v 12 sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon \x + \xo 2:12 \xo*\xt Gal 3:17\xt*\x*akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan. \v 13 Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè \x + \xo 2:13 \xo*\xt Wo 3:25\xt*\x*pa san a Kris la. \v 14 Paske Li menm, Li se \x + \xo 2:14 \xo*\xt És 9:6\xt*\x*lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, \v 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, \x + \xo 2:15 \xo*\xt Gal 3:28\xt*\x*yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. \v 16 Konsa, Li ta kapab \x + \xo 2:16 \xo*\xt II Kor 5:18\xt*\x*rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. \v 17 “Epi \x + \xo 2:17 \xo*\xt És 57:19\xt*\x*Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” \v 18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan \x + \xo 2:18 \xo*\xt I Kor 12:13\xt*\x*yon sèl Lespri a Papa a. \v 19 Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se \x + \xo 2:19 \xo*\xt Fil 3:20\xt*\x*sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, \v 20 ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm \x + \xo 2:20 \xo*\xt Sòm 118:22\xt*\x*wòch la ki fòme ang prensipal la. \v 21 Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni \x + \xo 2:21 \xo*\xt I Kor 3:16\xt*\x*yon tanp ki sen nan Senyè a. \v 22 Nan Li menm, nou osi ap vin \x + \xo 2:22 \xo*\xt I Kor 3:9,16\xt*\x*bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete. \c 3 \p \v 1 Pou rezon sa a, mwen, Paul \x + \xo 3:1 \xo*\xt Trav 23:18\xt*\x*prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo, \v 2 si vrèman nou te tande de \x + \xo 3:2 \xo*\xt Ef 1:10\xt*\x*jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an, \v 3 ke \x + \xo 3:3 \xo*\xt Gal 1:12\xt*\x*pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a. \v 4 Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan \x + \xo 3:4 \xo*\xt Wo 11:25\xt*\x*mistè a Kris la, \v 5 ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a \x + \xo 3:5 \xo*\xt I Kor 12:28\xt*\x*sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a. \v 6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.\x + \xo 3:6 \xo*\xt Gal 3:29\xt*\x* \v 7 \x + \xo 3:7 \xo*\xt I Kor 1:23,25\xt*\x*Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. \v 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout \x + \xo 3:8 \xo*\xt Wo 2:4\xt*\x*richès ensondab a Kris yo. \v 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a \x + \xo 3:9 \xo*\xt Wo 16:25\xt*\x*mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. \v 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab \x + \xo 3:10 \xo*\xt I Pi 1:12\xt*\x*vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout \x + \xo 3:10 \xo*\xt Ef 6:12\xt*\x*pouvwa ak otorite nan lye selès yo. \v 11 \x + \xo 3:11 \xo*\xt Ef 1:11\xt*\x*Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. \v 12 Nan \x + \xo 3:12 \xo*\xt Ef 2:18\xt*\x*Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. \v 13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pase\x + \xo 3:13 \xo*\xt Ef 3:1\xt*\x*pou nou yo, paske yo se glwa nou. \p \v 14 Pou rezon sila a, mwen \x + \xo 3:14 \xo*\xt Fil 2:10\xt*\x*koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. \v 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, \v 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. \v 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, \v 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo \x + \xo 3:18 \xo*\xt Job 11:8\xt*\x*sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, \v 19 epi pou nou konnen \x + \xo 3:19 \xo*\xt Wo 8:35,39\xt*\x*lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo. \p \v 20 Koulye a, a Li menm ki \x + \xo 3:20 \xo*\xt II Kor 9:8\xt*\x*kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, \v 21 \x + \xo 3:21 \xo*\xt Wo 11:36\xt*\x*a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn. \c 4 \p \v 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou \x + \xo 4:1 \xo*\xt Ef 2:10\xt*\x*mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, \v 2 avèk tout \x + \xo 4:2 \xo*\xt Kol 3:12\xt*\x*imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, \v 3 nan rete dilijan pou konsève \x + \xo 4:3 \xo*\xt Kol 3:14\xt*\x*linite Lespri a, e nan lyen lapè. \v 4 \x + \xo 4:4 \xo*\xt I Kor 12:4; Ef 1:18\xt*\x*Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; \v 5 \x + \xo 4:5 \xo*\xt I Kor 8:6\xt*\x*yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, \v 6 yon sèl Bondye e Papa \x + \xo 4:6 \xo*\xt Wo 11:36\xt*\x*tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay. \v 7 Men a nou chak, gras te vin bay \x + \xo 4:7 \xo*\xt Wo 12:3\xt*\x*selon mezi don a Kris la. \p \v 8 Konsa sa ekri: \q1 \x + \xo 4:8 \xo*\xt Sòm 68:18\xt*\x*“Lè Li te monte anlè, \q1 Li te mennen kon kaptif, \q1 kaptivite a menm, \q1 e Li te bay don a lèzòm.” \p \v 9 Alò, fraz sila a, \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jn 3:13\xt*\x*“Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a? \v 10 Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte \x + \xo 4:10 \xo*\xt Eb 7:6\xt*\x*bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab \x + \xo 4:10 \xo*\xt Ef 1:23\xt*\x*akonpli tout bagay. \p \v 11 Konsa, Li te bay \x + \xo 4:11 \xo*\xt Trav 13:1\xt*\x*kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, \v 12 \x + \xo 4:12 \xo*\xt II Kwo 13:9\xt*\x*pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, \v 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak \x + \xo 4:13 \xo*\xt Ef 1:17\xt*\x*konesans a Fis Bondye a, yon \x + \xo 4:13 \xo*\xt Eb 5:14\xt*\x*moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. \v 14 Kòm rezilta, nou \x + \xo 4:14 \xo*\xt I Kor 14:20\xt*\x*pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; \v 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe \x + \xo 4:15 \xo*\xt Ef 2:21\xt*\x*grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris Li menm. \v 16 Nan Li menm \x + \xo 4:16 \xo*\xt Wo 12:4\xt*\x*tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou. \p \v 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a \x + \xo 4:17 \xo*\xt Ef 2:2\xt*\x*pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, \v 18 avèk yon konprann ki byen \x + \xo 4:18 \xo*\xt Wo 1:21\xt*\x*fonse \x + \xo 4:18 \xo*\xt Ef 2:12\xt*\x*andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. \v 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te \x + \xo 4:19 \xo*\xt Wo 1:24\xt*\x*livre tèt yo a tout \x + \xo 4:19 \xo*\xt Kol 3:5\xt*\x*sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. \v 20 Men nou pa t \x + \xo 4:20 \xo*\xt Mat 11:29\xt*\x*aprann Kris nan fason sa a, \v 21 si vrèman nou \x + \xo 4:21 \xo*\xt Wo 10:14\xt*\x*te menm tande Li e \x + \xo 4:21 \xo*\xt Kol 2:7\xt*\x*te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. \v 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou \x + \xo 4:22 \xo*\xt Eb 12:1\xt*\x*mete sou kote \x + \xo 4:22 \xo*\xt Wo 6:6\xt*\x*ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, \v 23 epi pou nou \x + \xo 4:23 \xo*\xt Wo 12:2\xt*\x*vin tounèf nan lespri a panse nou, \v 24 pou nou kapab mete sou nou \x + \xo 4:24 \xo*\xt Kol 3:10\xt*\x*nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a. \p \v 25 Pou sa, mete akote sa ki fo, \x + \xo 4:25 \xo*\xt Za 8:16\xt*\x*e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. \v 26 \x + \xo 4:26 \xo*\xt Sòm 4:4\xt*\x* “Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, \v 27 epi pa \x + \xo 4:27 \xo*\xt Wo 12:19\xt*\x*bay Dyab la opòtinite. \v 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou \x + \xo 4:28 \xo*\xt I Tes 4:11\xt*\x*fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. \v 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou \x + \xo 4:29 \xo*\xt Wo 14:19\xt*\x*edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. \v 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te \x + \xo 4:30 \xo*\xt Jn 3:33\xt*\x*sele nou pou jou redanmsyon an. \v 31 \x + \xo 4:31 \xo*\xt Wo 3:14\xt*\x*Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. \v 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt \x + \xo 4:32 \xo*\xt Mat 6:14\xt*\x*jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an. \c 5 \p \v 1 \x + \xo 5:1 \xo*\xt Mat 5:48\xt*\x*Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. \v 2 \x + \xo 5:2 \xo*\xt Wo 14:15\xt*\x*Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te \x + \xo 5:2 \xo*\xt Gal 2:20\xt*\x*bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon. \p \v 3 Men ni \x + \xo 5:3 \xo*\xt Kol 3:5\xt*\x*imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. \v 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye. \p \v 5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a. \p \v 6 \x + \xo 5:6 \xo*\xt Kol 2:8\xt*\x*Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. \v 7 Konsa, pa \x + \xo 5:7 \xo*\xt Ef 3:6\xt*\x*vin yon pati ak yo. \v 8 Paske avan sa nou \x + \xo 5:8 \xo*\xt Ef 2:2\xt*\x*te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. \v 9 Paske \x + \xo 5:9 \xo*\xt Gal 5:22\xt*\x*fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, \v 10 \x + \xo 5:10 \xo*\xt Wo 12:2\xt*\x*ki fè prev de sa k ap fè Senyè a plezi. \v 11 Pa patisipe nan \x + \xo 5:11 \xo*\xt Wo 13:12\xt*\x*zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans \x + \xo 5:11 \xo*\xt I Tim 5:20\xt*\x*ekspoze yo. \v 12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm. \v 13 Men tout bagay vin vizib \x + \xo 5:13 \xo*\xt Jn 3:20\xt*\x*lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè. \v 14 Pou rezon sa a Li di: \q1 \x + \xo 5:14 \xo*\xt És 51:17\xt*\x*“Leve, sila k ap dòmi an, \q1 Leve sòti nan lanmò \q1 E Kris va klere sou ou.” \p \v 15 Konsa, fè atansyon sou jan nou \x + \xo 5:15 \xo*\xt Ef 5:2\xt*\x*mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. \v 16 \x + \xo 5:16 \xo*\xt Kol 4:5\xt*\x*Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. \v 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men \x + \xo 5:17 \xo*\xt Wo 12:2\xt*\x*konprann byen kisa volonte Bondye a ye. \v 18 Epi \x + \xo 5:18 \xo*\xt Pwov 20:1\xt*\x*pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. \v 19 \x + \xo 5:19 \xo*\xt Kol 3:16\xt*\x*Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. \v 20 \x + \xo 5:20 \xo*\xt Wo 1:8\xt*\x*Toujou bay remèsiman a \x + \xo 5:20 \xo*\xt I Kor 15:24\xt*\x*Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, \v 21 \x + \xo 5:21 \xo*\xt Gal 5:13\xt*\x*avèk sumisyon youn lòt nan \x + \xo 5:21 \xo*\xt II Kor 5:11\xt*\x*lakrent Kris la. \p \v 22 \x + \xo 5:22 \xo*\xt Ef 5:22—6:9; Kol 3:18—4:1\xt*\x*Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. \v 23 Paske \x + \xo 5:23 \xo*\xt I Kor 11:3\xt*\x*mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. \v 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay. \p \v 25 \x + \xo 5:25 \xo*\xt Ef 5:28,33; Ef 5:2\xt*\x*Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, \v 26 \x + \xo 5:26 \xo*\xt Tit 2:14\xt*\x*pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. \v 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin \x + \xo 5:27 \xo*\xt Ef 1:4\xt*\x*sen e san fot. \v 28 Donk, mari yo dwe osi \x + \xo 5:28 \xo*\xt Ef 5:25\xt*\x*renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. \v 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. \v 30 Paske nou se \x + \xo 5:30 \xo*\xt I Kor 6:15\xt*\x*manm a kò Li. \v 31 \x + \xo 5:31 \xo*\xt Jen 2:24\xt*\x*“Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” \v 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. \v 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe \x + \xo 5:33 \xo*\xt I Pi 3:2,5\xt*\x*respekte mari li. \c 6 \p \v 1 \x + \xo 6:1 \xo*\xt Pwov 6:20\xt*\x*Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. \v 2 \x + \xo 6:2 \xo*\xt Egz 20:12\xt*\x*Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; \v 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè. \p \v 4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men \x + \xo 6:4 \xo*\xt Kol 3:21; Jen 18:19\xt*\x*elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a. \p \v 5 \x + \xo 6:5 \xo*\xt Kol 3:22\xt*\x*Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, \v 6 pa sèlman devan zye, kòmsi \x + \xo 6:6 \xo*\xt Gal 1:10\xt*\x*pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. \v 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis \x + \xo 6:7 \xo*\xt Kol 3:23\xt*\x*tankou a Senyè a, e pa a lòm \v 8 nan konesans ke \x + \xo 6:8 \xo*\xt Mat 16:27\xt*\x*nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib. \p \v 9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke \x + \xo 6:9 \xo*\xt Job 31:13\xt*\x*ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri. \p \v 10 Anfen \x + \xo 6:10 \xo*\xt I Kor 16:13\xt*\x*se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan \x + \xo 6:10 \xo*\xt Ef 1:19\xt*\x*fòs a pouvwa Li. \v 11 \x + \xo 6:11 \xo*\xt Wo 13:12\xt*\x*Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. \v 12 Paske lit nou an pa kont \x + \xo 6:12 \xo*\xt Mat 16:17\xt*\x*lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. \v 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab \x + \xo 6:13 \xo*\xt Jc 4:7\xt*\x*reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. \v 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin \x + \xo 6:14 \xo*\xt És 11:5\xt*\x*kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la \x + \xo 6:14 \xo*\xt És 59:17\xt*\x*pwotèj ladwati a. \v 15 Konsa, \x + \xo 6:15 \xo*\xt És 52:7\xt*\x*abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, \v 16 e anplis de tout bagay, pran \x + \xo 6:16 \xo*\xt I Tes 5:8\xt*\x*boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. \v 17 Epi pran \x + \xo 6:17 \xo*\xt És 59:17\xt*\x*kas Sali a ak \x + \xo 6:17 \xo*\xt Eb 4:12\xt*\x*nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. \v 18 Avèk tout \x + \xo 6:18 \xo*\xt Fil 4:6\xt*\x*lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. \v 19 \x + \xo 6:19 \xo*\xt Kol 4:3\xt*\x*Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, \v 20 pou sila ke mwen se yon \x + \xo 6:20 \xo*\xt II Kor 5:20\xt*\x*anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a. \p \v 21 \x + \xo 6:21 \xo*\xt Ef 6:21,22; Kol 4:7-9\xt*\x*Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay. \v 22 Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab \x + \xo 6:22 \xo*\xt Kol 2:2\xt*\x*rekonfòte kè nou. \p \v 23 Lapè avèk frè nou yo, e \x + \xo 6:23 \xo*\xt Gal 5:6\xt*\x*lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri. \v 24 Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.