\id DEU \ide UTF-8 \h Detewonòm \toc1 DETEWONÒM \toc2 Detewonòm \toc3 Det \mt1 DETEWONÒM \c 1 \p \v 1 Sa yo se pawòl a Moïse ke li te pale a tout pèp Israël la lòtbò Jourdain an, nan dezè a, nan Arabah, anfas Suph, antre Paran, Tophel, Laban, Hatséroth, ak Di-Zahab. \v 2 Se te yon vwayaj onz jou soti nan \x + \xo 1:2 \xo*\xt Egz 3:1 \xt*\x*Horeb pa chemen a Mòn Séir pou rive nan Kadès-Barnéa. \p \v 3 Nan katriyèm ane a, nan premye jou nan onzyèm mwa a, Moïse te pale avèk fis Israël yo selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li anvè yo, \v 4 lè li te fin \x + \xo 1:4 \xo*\xt Nonb 21:21-26\xt*\x*bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak \x + \xo 1:4 \xo*\xt Nonb 21:33-35\xt*\x*Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï. \p \v 5 Anfas Jourdain an, nan peyi Moab la, Moïse te kòmanse fè eksplikasyon sou lwa sa a. Li te di: \v 6 “SENYÈ a, Bondye nou an, te \x + \xo 1:6 \xo*\xt Nonb 10:11-13\xt*\x*pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan. \v 7 Vire kòmanse vwayaj nou an pou ale nan \x + \xo 1:7 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*peyi mòn ki pou Amoreyen yo e vè tout kote nan Arabah yo nan peyi mòn yo, nan teren ba yo, nan Negev la, nan lanmè a, peyi a Canaran yo ak nan Liban jis rive nan gran rivyè Lefrat la. \v 8 Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te \x + \xo 1:8 \xo*\xt Jen 12:7 \xt*\x*sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’” \p \v 9 “Mwen te pale avèk nou\x + \xo 1:9 \xo*\xt Egz 18:18-24\xt*\x*nan tan sa a pou te di nou, ‘Mwen sèl p ap kapab pote fado nou pou kont mwen. \v 10 SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou \x + \xo 1:10 \xo*\xt Jen 15:5\xt*\x*vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la. \v 11 Ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, kapab fè nou vin miltipliye yon mil fwa anplis ke nou ye a, e beni nou \x + \xo 1:11 \xo*\xt Det 1:8-10\xt*\x*jis jan ke li te pwomèt nou an. \v 12 Kijan mwen sèl mwen, ta kapab sipòte fado a nou menm avèk tout zen nou konn fè yo? \v 13 Chwazi moun ki saj, ki gen disènman avèk eksperyans nan pwòp tribi nou yo e mwen va\x + \xo 1:13 \xo*\xt Egz 18:21\xt*\x*apwente yo kòm chèf nou.’ \p \v 14 “Nou te reponn mwen e te di: ‘Bagay ke ou di a, bon.’ \p \v 15 “Konsa, mwen te pran chèf an tèt tribi nou yo, moun saj avèk eksperyans, e mwen te apwente yo kòm chèf sou nou, dirijan a dè milye, a dè santèn, a dè senkantèn, a dè dizèn ak ofisye pou tribi nou yo. \v 16 Mwen te pase lòd ak jij nou yo nan tan sa a. Mwen te di, ‘Tande ka ki parèt antre nou menm avèk moun peyi parèy nou yo, e jije avèk ladwati antre yon nonm avèk moun peyi parèy a li, oswa etranje ki pami nou an. \v 17 Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou \x + \xo 1:17 \xo*\xt Pwov 29:25\xt*\x*pè moun, paske jijman an se pou Bondye. \x + \xo 1:17 \xo*\xt Egz 18:22-26\xt*\x*Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’ \v 18 \x + \xo 1:18 \xo*\xt Egz 18:20\xt*\x*Mwen te kòmande nou nan tan sa a, tout bagay ke nou te gen pou fè. \p \v 19 “Konsa, nou te pati \x + \xo 1:19 \xo*\xt Det 1:2\xt*\x*Horeb pou te pase nan tout gran dezè tèrib sila a ke nou te wè nan wout la pou rive nan peyi mòn a Amoreyen yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an; epi nou te vini Kadès Barnéa. \v 20 Mwen te di nou: ‘Nou gen tan vini nan peyi mòn a Amoreyen yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an. \v 21 Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. \x + \xo 1:21 \xo*\xt Jos 1:6-9\xt*\x*Pa pè, ni dekouraje.’” \p \v 22 “Konsa, nou tout te vin kote m e te di: ‘Annou \x + \xo 1:22 \xo*\xt Nonb 13:1-3\xt*\x*voye moun devan nou pou yo kapab fè ankèt peyi a pou nou, pou retounen bannou yon pawòl konsènan chemen nou ta dwe monte a ak vil ke nou va antre yo.’ \v 23 “Sa te fè m plezi. Mwen te pran douz mesye pami nou, yon mesye pou chak tribi. \v 24 \x + \xo 1:24 \xo*\xt Nonb 13:21-25\xt*\x*Yo te vire pou te monte nan peyi mòn nan, e yo te rive nan vale Eschcol la pou espyone ladann. \v 25 Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou. Yo te mennen bannou yon rapò. Yo te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’” \p \v 26 \x + \xo 1:26 \xo*\xt Nonb 14:1-4 \xt*\x*“Men nou pa t vle monte. Nou te fè rebèl kont kòmand a SENYÈ a, Bondye nou an. \v 27 \x + \xo 1:27 \xo*\xt Det 9:28\xt*\x* Nou te plenyen nan tant nou yo e te di: ‘Akoz SENYÈ a rayi nou, Li te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou livre nou nan men Amoreyen yo pou detwi nou. \v 28 Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè \x + \xo 1:28 \xo*\xt Nonb 13:28-33\xt*\x*fis a Anak yo la!” \p \v 29 “Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo. \v 30 SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, \x + \xo 1:30 \xo*\xt Egz 14:14\xt*\x*Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou, \v 31 epi nan dezè a kote nou te wè kijan \x + \xo 1:31 \xo*\xt Det 32:10-12\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’” \p \v 32 “Men \x + \xo 1:32 \xo*\xt Nonb 14:11\xt*\x*malgre tout sa, nou pa t mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an, \v 33 \x + \xo 1:33 \xo*\xt Egz 13:21\xt*\x*ki te ale devan nou nan chemen an \x + \xo 1:33 \xo*\xt Nonb 10:33\xt*\x*pou chèche yon kote pou nou fè kan, kòm dife nan aswè ak nwaj nan lajounen pou montre nou nan ki chemen nou dwe ale. \p \v 34 “Epi SENYÈ a te tande son pawòl nou yo. Li te fache. Li te \x + \xo 1:34 \xo*\xt Nonb 14:28-30\xt*\x* sèmante e te di: \v 35 \x + \xo 1:35 \xo*\xt Sòm 95:11\xt*\x*‘Nanpwen youn nan mesye sa yo, jenerasyon mechan sila a, ki va wè bon peyi ke mwen te sèmante pou bay a zansèt nou yo. \v 36 Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. \x + \xo 1:36 \xo*\xt Nonb 14:24\xt*\x*A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’ \p \v 37 “Anplis, SENYÈ a te fache avèk mwen osi akoz nou menm. Li te di: \x + \xo 1:37 \xo*\xt Nonb 27:13-18\xt*\x*‘Ni ou menm tou, ou p ap antre la. \v 38 Josué, fis a Nun nan, ki kanpe la devan nou an, \x + \xo 1:38 \xo*\xt Nonb 14:30\xt*\x*li va antre la. Ankouraje li, paske li va fè Israël jwenn eritaj li a. \p \v 39 “‘Anplis, \x + \xo 1:39 \xo*\xt Nonb 14:3\xt*\x*pitit nou ke nou te di ta devni yon piyaj la, ak fis nou ki nan jou sa a \x + \xo 1:39 \xo*\xt És 7:15-16\xt*\x*pa t gen konesans a ni sa ki bon ak sa ki mal, va antre la. Mwen va bay yo li, e yo va posede li. \v 40 Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’ \p \v 41 \x + \xo 1:41 \xo*\xt Nonb 14:40\xt*\x*“Konsa, nou te di mwen: ‘Nou te peche kont SENYÈ a; anverite, nou va monte pou fè lagè, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an.’ Epi tout gason nan nou te mete zam sou yo. Yo te kalkile ke li te fasil pou monte nan peyi mòn nan.” \p \v 42 \x + \xo 1:42 \xo*\xt Nonb 14:41-43\xt*\x*“Men SENYÈ a te di mwen: ‘Di yo: “Pa monte, ni goumen, paske Mwen pa pami nou. Otreman, nou va vin bat devan lènmi nou yo.”’ \p \v 43 “Konsa, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute mwen. Olye de sa, \x + \xo 1:43 \xo*\xt Nonb 14:40\xt*\x*nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a. Nou te aji avèk awogans e nou te monte nan peyi mòn lan. \v 44 \x + \xo 1:44 \xo*\xt Nonb 14:45\xt*\x*Amoreyen ki te rete nan peyi mòn sa yo te parèt kont nou. Yo te chase nou tankou myèl ta fè e yo te kraze nou soti nan Séir jis rive nan Horma. \v 45 Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men \x + \xo 1:45 \xo*\xt Job 27:8-9 \xt*\x*SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li. \v 46 Pou sa, nou te rete \x + \xo 1:46 \xo*\xt Nonb 20:1-22\xt*\x*Kadès pandan anpil jou, jou sa yo ke nou te pase la a.” \c 2 \p \v 1 \x + \xo 2:1 \xo*\xt Nonb 21:4\xt*\x*“Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou. \p \v 2 “Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di: \v 3 ‘Nou gen tan fin ansèkle mòn sa a pandan ase de tan. Vire bò kote nò a. \v 4 Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan \x + \xo 2:4 \xo*\xt Jen 36:8\xt*\x*teritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, e\x + \xo 2:4 \xo*\xt Egz 15:15-16\xt*\x*yo va pè nou. Pou sa, fè atansyon. \v 5 Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, \x + \xo 2:5 \xo*\xt Jen 36:8\xt*\x*paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l. \v 6 Nou va achte manje nan men yo avèk lajan pou nou kapab manje. Epi nou va, osi, achte dlo pou bwè nan men yo avèk lajan nou.”’” \p \v 7 “Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan \x + \xo 2:7 \xo*\xt Nonb 14:33\xt*\x*karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.” \p \v 8 “Pou sa, nou te pase devan kite frè nou yo, fis a Esaü ki rete Séir yo, lwen wout Araba a, lwen Élath ak \x + \xo 2:8 \xo*\xt Nonb 33:35\xt*\x*Etsjon-Guéber. Konsa, nou te vire pase nan chemen dezè Moab la. \p \v 9 “Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a \x + \xo 2:9 \xo*\xt Jen 19:36-37\xt*\x*fis a Lot yo kòm posesyon.’ \p \v 10 “(Avan, se te pèp \x + \xo 2:10 \xo*\xt Jen 14:5\xt*\x*Émim ki te rete la; yon gwo pèp, gran an kantite, e wo menm jan ak Anakim (jeyan yo). \v 11 Tankou Anakim yo, yo konnen kòm \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jen 14:5\xt*\x*Rephaïm; men Moabit yo, te rele yo Émim. \v 12 Otrefwa, se te \x + \xo 2:12 \xo*\xt Jen 36:20\xt*\x*Oriyen yo ki te rete Séir, men fis a Esaü yo te deplase yo, te detwi yo devan yo, e yo te vin rete nan plas yo, jis jan ke Israël te fè lè yo te vin posede peyi pa yo ke SENYÈ a te bay yo.) \p \v 13 “‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la. \p \v 14 “Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout \x + \xo 2:14 \xo*\xt Nonb 14:29-35\xt*\x*jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan. \v 15 \x + \xo 2:15 \xo*\xt Jd 5\xt*\x*Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri. \p \v 16 “Epi li te vin rive ke lè \x + \xo 2:16 \xo*\xt Det 2:14\xt*\x*tout moun lagè yo te fin mouri pami pèp la, \v 17 ke SENYÈ a te pale avè m e te di: \v 18 ‘Jodi a, ou va travèse sou \x + \xo 2:18 \xo*\xt Det 2:9\xt*\x*Ar, lizyè a Moab la. \v 19 Lè ou vin anfas \x + \xo 2:19 \xo*\xt Jen 19:38\xt*\x*fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a \x + \xo 2:19 \xo*\xt Det 2:9\xt*\x*fis a Lot yo kòm posesyon.’ \p \v 20 “(Li rele osi peyi a, \x + \xo 2:20 \xo*\xt Det 2:11\xt*\x*Rephaïm, akoz Rephaïm yo te viv la avan sa, men Amonit yo rele yo Zamzumminim, \v 21 yon pèp tèlman gran e anpil, wo tankou Anakim, men SENYÈ a te detwi yo devan yo. Epi yo te chase yo sòti pou te vin rete nan plas yo, \v 22 jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi \x + \xo 2:22 \xo*\xt Det 2:12\xt*\x*Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a. \v 23 Epi \x + \xo 2:23 \xo*\xt Jos 13:3\xt*\x*Avyen ki te rete nan vil yo jis rive kote Gaza, Kaftorim yo ki te sòti nan Caphtor, te detwi yo, e te vin viv nan plas yo.) \p \v 24 “Leve, pati, e pase nan \x + \xo 2:24 \xo*\xt Nonb 21:13-14\xt*\x*vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè. \v 25 Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete \x + \xo 2:25 \xo*\xt Egz 23:27 \xt*\x*lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.” \p \v 26 \x + \xo 2:26 \xo*\xt Nonb 21:21-32\xt*\x*“Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di: \v 27 ‘Kite mwen pase nan peyi ou a, Mwen va vwayaje sèlman sou gran chemen an; mwen p ap vire akote ni adwat ni agoch. \v 28 Ou va vann mwen manje pou lajan pou m kab manje; epi ban mwen dlo pou lajan pou m kab bwè. \x + \xo 2:28 \xo*\xt Nonb 20:19\xt*\x*Sèlman, kite mwen pase ladann a pye, \v 29 jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete \x + \xo 2:29 \xo*\xt Det 2:9\xt*\x*Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’ \p \v 30 “Men \x + \xo 2:30 \xo*\xt Nonb 21:23\xt*\x*Sihon, wa Hesbon an, pa t dakò kite nou pase nan peyi pa li a; paske SENYÈ a te fè lespri li rèd e kè li di, pou l ta kapab livre li nan men nou, jan ke li ye la jodi a. \p \v 31 “Senyè a te di mwen: ‘Ou wè, Mwen te deja kòmanse livre Sihon avèk peyi li a nan men ou. Kòmanse okipe ou, pou nou kapab genyen peyi li a.’ \p \v 32 “Epi Sihon avèk tout pèp li a te parèt pou rankontre nou nan batay nan Jahats la. \v 33 SENYÈ a, Bondye nou an, te livre li bannou, e nou te \x + \xo 2:33 \xo*\xt Det 29:7\xt*\x*bat li avèk fis li yo ak tout pèp li a. \v 34 Konsa, nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a, e nou te \x + \xo 2:34 \xo*\xt Det 3:6\xt*\x*konplètman detwi mesye yo, fanm yo, avèk pitit nan chak vil yo. Nou pa t menm kite youn vivan. \v 35 Se \x + \xo 2:35 \xo*\xt Det 3:7\xt*\x*sèl bèt nou te pran kòm piyaj nou, ak piyaj a vil ke nou te pran an kaptif. \p \v 36 “Soti nan \x + \xo 2:36 \xo*\xt Det 3:12\xt*\x*Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout. \v 37 \x + \xo 2:37 \xo*\xt Det 2:19 \xt*\x*Sèlman, nou pa t pwoche teritwa fis a Ammon yo, toupatou akote rivyè Jabbok la ak vil peyi mòn yo, ak nenpòt kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, te enpeche nou antre.” \c 3 \p \v 1 \x + \xo 3:1 \xo*\xt Nonb 21:33-35\xt*\x*“Alò, nou te vire monte nan wout la vè Basan. Konsa, Og, wa a Basan an avèk tout pèp li a te sòti pou rankontre nou nan batay nan Édréï. \v 2 Men SENYÈ a te di mwen: ‘Pa pè li, paske Mwen te livre li avèk tout pèp li a, ak peyi li a nan men ou; epi ou va fè li menm jan ke ou te fè Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon an.’ \p \v 3 “Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, te livre osi Og, wa Basan an, avèk tout pèp li a nan men nou e nou te frape yo jis nanpwen ki te rete vivan. \v 4 Nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a; nanpwen vil ke nou pa t pran sou yo: swasant vil, tout rejyon Argob la, wayòm a Og la, nan Basan. \v 5 Tout vil sa yo te fòtifye avèk miray ki wo, avèk pòtay byen bare; epi osi, anpil vil ki te san miray. \v 6 Nou te konplètman detwi yo, jis jan ke nou te fè a \x + \xo 3:6 \xo*\xt Det 1:4\xt*\x*Sihon, wa Hesbon an, e nou te \x + \xo 3:6 \xo*\xt Det 2:34\xt*\x*konplètman detwi gason, fanm ak pitit a chak vil yo. \v 7 \x + \xo 3:7 \xo*\xt Det 2:35\xt*\x*Men nou te piyaje tout bèt ak byen a vil yo. \p \v 8 “Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men \x + \xo 3:8 \xo*\xt Nonb 32:33\xt*\x*wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an. \v 9 (Sidonyen yo rele Hermon \x + \xo 3:9 \xo*\xt Sòm 29:6\xt*\x*Sirion e Armoreyen yo rele li, \x + \xo 3:9 \xo*\xt I Kwo 5:23\xt*\x*Senir.) \v 10 Nou te pran tout vil nan platon yo, tout Galaad ak \x + \xo 3:10 \xo*\xt Jos 13:11\xt*\x*tout Basan jis rive nan Salca ak Édréï, vil a wayòm Og yo, nan Basan. \v 11 (Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a \x + \xo 3:11 \xo*\xt Jen 14:5\xt*\x*Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)” \p \v 12 “Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan \x + \xo 3:12 \xo*\xt Det 2:36\xt*\x*Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a \x + \xo 3:12 \xo*\xt Nonb 32:32-38\xt*\x*Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo. \v 13 Rès pati a Galaad la ak tout Basan an, wayòm Og la, mwen te bay a mwatye tribi Manassé a, tout rejyon a Argob la (pa tout Basan, se li yo rele peyi a Rephaïm yo. \v 14 \x + \xo 3:14 \xo*\xt Nonb 32:41\xt*\x*Jaïr, fis a Manassé a te pran tout rejyon Argob la jis rive nan lizyè Gechiyen yo ak Maakatyen yo, e yo te rele li Basan, selon pwòp non pa li, Havvoth-Jaïr, e se konsa li rele jis jodi a.) \v 15 \x + \xo 3:15 \xo*\xt Nonb 32:39-40\xt*\x*A Makir, mwen te bay Galaad. \v 16 A Ribenit yo avèk Gadit yo, mwen te bay soti Galaad pou rive jis nan vale Arnon, mitan vale a sèvi kòm yon lizyè e jis nan rivyè \x + \xo 3:16 \xo*\xt Nonb 21:24\xt*\x*Jabbok la, ki se fwontyè a fis Ammon yo; \v 17 Araba a osi, avèk rivyè Jourdain an kòm yon lizyè soti \x + \xo 3:17 \xo*\xt Nonb 34:11\xt*\x*Kinnéreth jis rive nan lanmè Araba a, Lamè Sale a, nan pye a mòn Pisga nan lès. \p \v 18 “Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: \x + \xo 3:18 \xo*\xt Jos 1:13\xt*\x*‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo. \v 19 \x + \xo 3:19 \xo*\xt Jos 1:14\xt*\x*Men madanm nou yo avèk pitit nou yo ak bèt nou yo (mwen konnen ke nou genyen \x + \xo 3:19 \xo*\xt Nonb 32:1\xt*\x*anpil bèt) va rete nan vil ke mwen te bannou yo,’ \v 20 \x + \xo 3:20 \xo*\xt Jos 1:15 \xt*\x*jis SENYÈ a bay repo a sitwayen parèy a nou an, jis tankou nou; epi yo, osi, vin posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, va bay yo lòtbò Jourdain an. Nan moman sa a, nou tout kapab retounen nan pwòp posesyon pa l ke mwen te bannou an’. \p \v 21 “Mwen te kòmande Josué e te di: ‘Zye ou gen tan fin wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a dè wa sa yo. Konsa, SENYÈ a va fè nan tout wayòm kote ou prèt pou travèse yo. \v 22 Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, \x + \xo 3:22 \xo*\xt Egz 14:14 \xt*\x*se Li menm k ap goumen pou nou.’ \p \v 23 “Nan tan sa a, osi, mwen te sipliye SENYÈ a, Bondye nou an. Mwen te di: \v 24 ‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan \x + \xo 3:24 \xo*\xt Det 11:2\xt*\x*Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo? \v 25 Kite mwen pase, mwen priye Ou, travèse wè bèl peyi ki lòtbò Jourdain an, \x + \xo 3:25 \xo*\xt Det 4:22\xt*\x*bèl peyi mòn sa a, avèk Liban.’ \p \v 26 “Men \x + \xo 3:26 \xo*\xt Det 1:37\xt*\x*SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen. SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a. \v 27 Monte sou tèt \x + \xo 3:27 \xo*\xt Nonb 23:14 \xt*\x*Pisga, leve zye ou vè lwès, nan nò, sid avèk lès, e gade li avèk zye ou, paske ou p ap travèse Jourdain an. \v 28 \x + \xo 3:28 \xo*\xt Nonb 27:18\xt*\x*Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’ \p \v 29 “Konsa, nou te rete nan vale a anfas \x + \xo 3:29 \xo*\xt Nonb 25:1-3 \xt*\x*Beth-Peor a.” \c 4 \p \v 1 “Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou \x + \xo 4:1 \xo*\xt Lev 18:5\xt*\x*nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou. \v 2 \x + \xo 4:2 \xo*\xt Det 12:23\xt*\x*Nou p ap mete yon mo sou sa ke mwen ap kòmande nou an ni retire nan li; pou nou kapab kenbe kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an, ke mwen te kòmande nou yo. \p \v 3 \x + \xo 4:3 \xo*\xt Nonb 25:1-9\xt*\x*“Zye nou gen tan wè sa ke SENYÈ a te fè nan ka Baal-Peor a, paske tout moun ki te swiv Baal-Peor yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te detwi yo nan mitan nou. \v 4 Men nou menm ki te kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, nou vivan jodi a, nou chak. \p \v 5 “Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo \x + \xo 4:5 \xo*\xt Lev 26:46 \xt*\x*jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a. \v 6 Pou sa, kenbe yo e fè yo \x + \xo 4:6 \xo*\xt Det 30:19-20\xt*\x*paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’ \v 7 Paske ki gran nasyon ki genyen, avèk yon dye \x + \xo 4:7 \xo*\xt Sòm 34:17-18\xt*\x*ki osi touprè li kòm SENYÈ a, Bondye nou an, nenpòt lè nou rele Li? \v 8 Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman \x + \xo 4:8 \xo*\xt Sòm 89:14\xt*\x*ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a? \p \v 9 “Sèlman, \x + \xo 4:9 \xo*\xt Det 4:23\xt*\x*veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jen 18:19\xt*\x*fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo. \v 10 Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, \x + \xo 4:10 \xo*\xt Det 4:23\xt*\x*pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’ \p \v 11 “Nou te pwoche e ou te kanpe nan pye mòn nan. \x + \xo 4:11 \xo*\xt Egz 19:18\xt*\x*Mòn nan te brile avèk dife jis rive nan kè syèl la: tenèb, nwaj avèk fènwa. \v 12 Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa. \v 13 Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, \x + \xo 4:13 \xo*\xt Egz 34:28\xt*\x*Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch. \v 14 SENYÈ a te kòmande mwen nan tan sa a pou enstwi nou lwa avèk règleman li yo, pou nou ta kapab fè yo nan peyi kote nou pral travèse pou posede a. \p \v 15 “Pou sa, \x + \xo 4:15 \xo*\xt Jos 23:11 \xt*\x*veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a, \v 16 pou nou pa aji yon jan konwonpi, e \x + \xo 4:16 \xo*\xt Egz 20:4 \xt*\x*fè yon imaj taye pou nou menm nan fòm a okenn bagay, ki sanble a ni mal, ni femèl, \v 17 sanblab a nenpòt bèt ki sou latè, oswa sanblab a nenpòt \x + \xo 4:17 \xo*\xt Wo 1:23\xt*\x*zwazo a zèl ki vole anlè, \v 18 ki sanblab a nenpòt sa ki ranpe atè, ki sanblab a nenpòt pwason ki nan dlo anba tè a. \v 19 Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, \x + \xo 4:19 \xo*\xt Det 13:5-10\xt*\x*e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la. \v 20 Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan \x + \xo 4:20 \xo*\xt I Wa 8:51\xt*\x*founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a. \p \v 21 \x + \xo 4:21 \xo*\xt Nonb 20:12\xt*\x*“Alò, SENYÈ a te fache avè m akoz de nou, e Li te sèmante pou mwen pa t travèse Jourdain an; epi pou Mwen pa ta antre nan bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj nou an. \v 22 Paske \x + \xo 4:22 \xo*\xt Nonb 27:13-14\xt*\x*mwen va mouri nan peyi sila a. Mwen p ap travèse Jourdain an, men nou va travèse e pran posesyon a \x + \xo 4:22 \xo*\xt Det 3:25\xt*\x*bon peyi sila a. \v 23 Pou sa, veye nou, \x + \xo 4:23 \xo*\xt Det 4:9\xt*\x*pou nou pa bliye akò a SENYÈ a, ke Li te fè avèk nou, e fè pou nou menm yon imaj taye nan okenn fòm kont sila SENYÈ Bondye nou an, te kòmande nou an. \v 24 Paske \x + \xo 4:24 \xo*\xt Egz 24:17\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, se yon dife voras, yon Bondye ki jalou. \p \v 25 “Lè nou devni papa a pitit, pitit a pitit, gen tan rete lontan nan peyi a, \x + \xo 4:25 \xo*\xt Det 4:16-23\xt*\x*aji yon jan konwonpi, fè yon zidòl nan fòm a nenpòt bagay, e fè sa ki mal nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwovoke Li a lakòlè, \v 26 Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va \x + \xo 4:26 \xo*\xt Det 7:4\xt*\x*vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt. \v 27 SENYÈ a va \x + \xo 4:27 \xo*\xt Lev 26:39\xt*\x*gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo. \v 28 La, \x + \xo 4:28 \xo*\xt Det 28:36-64\xt*\x*nou va sèvi dye yo, zèv men a lòm yo, bwa avèk wòch, ki pa wè ni tande, ni manje ni santi anyen. \v 29 Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li \x + \xo 4:29 \xo*\xt Det 6:5\xt*\x*avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou. \v 30 Lè nou nan gwo pwoblèm e tout bagay sa yo rive nou; nan dènye jou yo, \x + \xo 4:30 \xo*\xt Jr 4:1-2\xt*\x*nou va retounen a SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va koute vwa Li. \v 31 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki \x + \xo 4:31 \xo*\xt Egz 34:6\xt*\x*plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm. \v 32 Anverite, \x + \xo 4:32 \xo*\xt Det 32:7\xt*\x*mande, koulye a, konsènan ansyen jou avan nou yo, soti jou ke Bondye te kreye lòm sou latè a, e mande soti nan yon pwent syèl la jis rive nan lòt la. Èske yon gran bagay konsa janm fèt, oswa èske yo janm tande anyen konsa? \v 33 \x + \xo 4:33 \xo*\xt Egz 20:22\xt*\x*Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la? \v 34 Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon \x + \xo 4:34 \xo*\xt Det 7:19\xt*\x*pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa \x + \xo 4:34 \xo*\xt Det 5:15\xt*\x* yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou? \v 35 A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; \x + \xo 4:35 \xo*\xt Egz 8:10\xt*\x*nanpwen lòt sof ke Li menm. \v 36 Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou \x + \xo 4:36 \xo*\xt Det 8:5\xt*\x*korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a. \v 37 Paske Li te renmen zansèt nou yo; pou sa, Li te chwazi desandan apre yo. Epi Li menm, \x + \xo 4:37 \xo*\xt Egz 33:14\xt*\x*pou kont Li, Li te mennen nou sòti an Égypte avèk gran pouvwa Li, \v 38 epi te pouse devan nou tout nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou menm yo, pou mennen nou antre \x + \xo 4:38 \xo*\xt Nonb 32:4\xt*\x*pou bannou teren pa yo kòm eritaj, jan li ye nan jodi a. \v 39 Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke \x + \xo 4:39 \xo*\xt Det 4:35\xt*\x*SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt. \v 40 Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, \x + \xo 4:40 \xo*\xt Det 4:1\xt*\x*pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.” \p \v 41 \x + \xo 4:41 \xo*\xt Nonb 35:6\xt*\x*Epi Moïse te mete apa twa vil lòtbò Jourdain an vè lès, \v 42 pou yon moun ki touye yon moun ta kapab sove ale, ki te san entansyon touye vwazen li san ke li pa t gen rayisman anvè li nan tan pase yo; pou li ta kab sove ale nan youn nan vil sa yo: \v 43 \x + \xo 4:43 \xo*\xt Jos 20:8\xt*\x*Betser, nan dezè sou platon an pou Ribenit yo, Ramoth nan Galaad pou Gadit yo ak Golan nan Basan pou Manasit yo. \v 44 Alò, sa se lalwa ke Moïse te mete devan fis Israël yo; \v 45 sa yo se temwayaj avèk lwa avèk règleman ke Moïse te pale a fis Israël yo, lè yo te sòti an Égypte, \v 46 anfas Jourdain an, nan vale ki \x + \xo 4:46 \xo*\xt Det 3:29\xt*\x*anfas Beth-Peor a, nan peyi a wa \x + \xo 4:46 \xo*\xt Nonb 21:21-25\xt*\x*Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la. \v 47 Yo te pran posesyon a teren pa li an avèk teren \x + \xo 4:47 \xo*\xt Det 1:4\xt*\x*Og la, wa Basan an, de wa Amoreyen ki te anfas Jourdain yo vè lès, \v 48 soti nan \x + \xo 4:48 \xo*\xt Det 2:36\xt*\x*Aroër ki vin touche vale Arnon an, jis rive nan \x + \xo 4:48 \xo*\xt Det 3:9\xt*\x*Mòn Sion (sa vle di Hermon), \v 49 avèk tout Araba anfas Jourdain an vè lès, jis rive nan lanmè Araba, nan pye pant mòn Pisga a. \c 5 \p \v 1 Konsa, Moïse te rele tout Israël e te di yo: “Koute, O Israël, lwa avèk règleman ke mwen va pale jodi a yo nan tande pa nou, pou nou kapab aprann yo e swiv yo avèk atansyon. \v 2 SENYÈ a, Bondye nou an, te fè \x + \xo 5:2 \xo*\xt Egz 19:5\xt*\x*yon akò avèk nou nan Horeb. \v 3 \x + \xo 5:3 \xo*\xt Jr 31:32\xt*\x*SENYÈ a pa t fè akò sa a avèk zansèt nou yo, men avèk nou, nou tout ki vivan isit la jodi a. \p \v 4 “SENYÈ a te pale fasafas avèk nou nan mòn nan \x + \xo 5:4 \xo*\xt Det 4:33\xt*\x*soti nan mitan dife a, \v 5 pandan \x + \xo 5:5 \xo*\xt Gal 3:19\xt*\x*mwen te kanpe devan SENYÈ a ak nou menm, nan tan sa a, pou deklare a nou pawòl a SENYÈ a. Paske nou te pè akoz dife a, e nou pa t monte nan mòn nan. Li te di: \p \v 6 \x + \xo 5:6 \xo*\xt Egz 20:2-17\xt*\x*‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. \p \v 7 \x + \xo 5:7 \xo*\xt Egz 20:3\xt*\x*‘Nou pa pou gen lòt dye devan Mwen. \p \v 8 \x + \xo 5:8 \xo*\xt Egz 20:4-6\xt*\x*‘Nou pa pou fè pou nou menm okenn zidòl, ni okenn imaj a sila ki anwo nan syèl la, ni anba sou tè a, ni nan dlo anba tè a. \v 9 Nou pa pou adore yo ni sèvi yo; paske Mwen, SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Dye jalou, ki \x + \xo 5:9 \xo*\xt Egz 34:7\xt*\x*vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo, \v 10 men ki \x + \xo 5:10 \xo*\xt Nonb 14:18\xt*\x*montre lanmou dous a anpil milye, a sila ki renmen Mwen yo e ki kenbe kòmandman Mwen yo. \p \v 11 \x + \xo 5:11 \xo*\xt Egz 20:7\xt*\x*‘Nou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki pran non li an ven an san pinisyon. \p \v 12 \x + \xo 5:12 \xo*\xt Egz 16:23-30\xt*\x*‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an. \v 13 ‘Pandan sis jou, nou va travay pou fè tout zèv nou yo, \v 14 men \x + \xo 5:14 \xo*\xt Jen 2:2\xt*\x*setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou. \v 15 \x + \xo 5:15 \xo*\xt Egz 20:11\xt*\x*Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti la avèk yon men pwisan, e ak bra Li ki lonje. Pou sa, SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou pou obsève jou Saba a. \p \v 16 \x + \xo 5:16 \xo*\xt Egz 20:12\xt*\x*‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, \x + \xo 5:16 \xo*\xt Det 4:40\xt*\x*pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an. \v 17 \x + \xo 5:17 \xo*\xt Jen 9:6\xt*\x*Nou pa pou touye moun. \v 18 \x + \xo 5:18 \xo*\xt Egz 20:14\xt*\x*Nou pa pou fè adiltè. \v 19 \x + \xo 5:19 \xo*\xt Egz 20:15\xt*\x*Nou pa pou vòlè. \v 20 Nou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen nou. \v 21 Nou pa pou \x + \xo 5:21 \xo*\xt Egz 20:17\xt*\x*anvi madanm vwazen nou, e nou pa pou anvi kay vwazen nou, chan li, oswa sèvitè li oswa sèvant li, bèf li, bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen nou.’” \p \v 22 “Pawòl sa yo SENYÈ a te pale avèk tout asanble nou yo nan mòn nan soti nan mitan dife a, nan nwaj la nan gwo fènwa a, avèk yon gwo vwa. Li pa t mete anyen anplis. \x + \xo 5:22 \xo*\xt Egz 24:12\xt*\x*Li te ekri yo sou de tablo wòch e Li te ban mwen yo. \p \v 23 “Konsa, lè nou te tande vwa a soti nan mitan fènwa a, pandan mòn nan te brile avèk dife a, nou te pwoche vè mwen, tout chèf tribi nou ak ansyen nou yo. \v 24 Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan. \p \v 25 \x + \xo 5:25 \xo*\xt Egz 20:18-19\xt*\x*“Alò, poukisa nou ta dwe mouri? Paske gran dife sila a va brile nou. Si nou tande vwa SENYÈ a toujou, alò, nou va mouri. \v 26 Paske \x + \xo 5:26 \xo*\xt Det 4:33 \xt*\x*se kilès ki fèt avèk chè ki tande vwa a Bondye vivan an k ap pale nan mitan dife a, tankou nou, e ki viv? \v 27 Ou menm ale touprè Li pou tande tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an pale nou, e nou va tande sa pou nou fè.” \p \v 28 “SENYÈ a te tande vwa a pawòl nou yo lè nou te pale avèk mwen, \x + \xo 5:28 \xo*\xt Det 18:17\xt*\x*epi SENYÈ a te di mwen: ‘Mwen te tande vwa a pawòl a pèp sa a, ke yo te pale ak ou yo. Yo te fè byen nan sa ke yo te pale yo. \v 29 \x + \xo 5:29 \xo*\xt Sòm 81:13\xt*\x*O ke yo ta tèlman gen yon kè nan yo pou yo ta krent Mwen e kenbe tout kòmandman Mwen yo tout tan, pou li ta kapab byen pou yo ak tout fis yo pou tout tan. \v 30 Ale di yo: “Retounen nan tant nou”. \v 31 Men pou ou menm, kanpe isit la akote Mwen, pou Mwen kapab pale avèk ou tout kòmandman yo, lwa yo avèk jijman ke nou va montre yo pou yo kapab swiv yo nan peyi ke Mwen bay yo pou posede a.’ \p \v 32 “Pou sa, nou va swiv e fè ojis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an. \x + \xo 5:32 \xo*\xt Det 17:20\xt*\x*Nou pa pou vire ni adwat, ni agoch. \v 33 \x + \xo 5:33 \xo*\xt Det 10:12\xt*\x*Nou va mache nan tout chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou nou kapab viv e pou sa kapab ale byen pou nou, pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke nou va posede a. \c 6 \p \v 1 “Koulye a, sa se kòmandman an, lwa ak jijman ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande mwen pou enstwi nou, pou nou ta kapab fè nan peyi kote nou va travèse pou posede a, \v 2 pou nou menm avèk fis nou yo avèk pitit a fis nou yo kapab \x + \xo 6:2 \xo*\xt Egz 20:20\xt*\x*gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe tout règleman ak kòmandman Li yo, ke Mwen te kòmande nou, \x + \xo 6:2 \xo*\xt Det 4:9\xt*\x*tout jou nan vi nou yo, e pou jou nou yo kapab pwolonje. \p \v 3 “O Israël, ou dwe koute e fè atansyon ak sa, pou sa kapab ale byen pou nou, e pou nou kapab miltipliye anpil, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo te pwomèt nou an, \x + \xo 6:3 \xo*\xt Egz 3:8-17\xt*\x* nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. \p \v 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. \x + \xo 6:4 \xo*\xt Det 4:35-39\xt*\x*SENYÈ a se youn! \v 5 \x + \xo 6:5 \xo*\xt Mat 22:37\xt*\x*Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, \x + \xo 6:5 \xo*\xt Det 4:29\xt*\x*avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. \v 6 \x + \xo 6:6 \xo*\xt Det 11:18 \xt*\x*Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. \v 7 \x + \xo 6:7 \xo*\xt Det 4:9\xt*\x*Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. \v 8 \x + \xo 6:8 \xo*\xt Egz 12:14 \xt*\x*Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. \v 9 \x + \xo 6:9 \xo*\xt Det 11:20 \xt*\x*Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo. \p \v 10 “Alò, li va rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob pou bannou, \x + \xo 6:10 \xo*\xt Det 9:1\xt*\x*vil ki gran e ki vrèman bèl, ke nou pa t bati, \v 11 epi kay yo ki plen avèk bon bagay ke nou pa t ranpli, ak sitèn yo fouye ke nou pa t fouye, chan rezen ak chan doliv ke nou pa t plante, epi \x + \xo 6:11 \xo*\xt Det 8:10\xt*\x*nou manje e satisfè; \v 12 alò, veye nou menm, pou \x + \xo 6:12 \xo*\xt Det 4:9\xt*\x*nou pa bliye SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. \p \v 13 “Nou va \x + \xo 6:13 \xo*\xt Det 13:4\xt*\x* krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li. \v 14 Nou p ap swiv lòt dye yo, okenn nan dye a pèp ki antoure nou yo, \v 15 paske SENYÈ a, Bondye nou an, \x + \xo 6:15 \xo*\xt Jr 25:6\xt*\x*nan mitan nou, se yon Dye jalou; otreman, kòlè Bondye nou an va limen kont nou, e Li va efase nou sou fas tè a. \p \v 16 \x + \xo 6:16 \xo*\xt Mat 4:7\xt*\x*“Nou pa pou mete a leprèv SENYÈ a, Bondye nou an, jan nou te fè nan Massa a. \p \v 17 “Avèk dilijans, nou dwe kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ak temwayaj avèk lwa Li yo, ke Li te kòmande nou. \p \v 18 “Nou va fè sa ki dwat e bon nan zye SENYÈ a, pou \x + \xo 6:18 \xo*\xt Det 4:40\xt*\x*sa kapab ale byen pou nou e pou nou kapab antre e posede bon peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo, \v 19 lè nou pouse mete deyò tout lènmi nou yo devan nou, jan SENYÈ a te pale a. \p \v 20 \x + \xo 6:20 \xo*\xt Egz 13:8-14\xt*\x*“Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, pou di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’ \v 21 Alò, nou va di a fis nou yo: ‘Nou te esklav a Farawon an Égypte, e SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan. \v 22 Anplis, SENYÈ a te montre gwo sign dezas ak mèvèy devan zye nou kont Égypte, Farawon, ak tout lakay li. \v 23 Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’ \p \v 24 “Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, \x + \xo 6:24 \xo*\xt Det 10:12\xt*\x*pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a. \v 25 \x + \xo 6:25 \xo*\xt Det 24:13\xt*\x*Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an. \c 7 \p \v 1 \x + \xo 7:1 \xo*\xt Det 20:16-18\xt*\x*“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo; \v 2 epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, \x + \xo 7:2 \xo*\xt Nonb 31:17\xt*\x*alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè. \v 3 Anplis, \x + \xo 7:3 \xo*\xt Egz 34:15 \xt*\x*nou p ap marye avèk yo. Nou pa pou bay fi nou yo bay fis pa yo, ni nou p ap pran fi pa yo pou fis nou yo. \v 4 Paske yo va detounen fis nou yo lwen de sèvi Mwen, pou sèvi lòt dye yo. \x + \xo 7:4 \xo*\xt Det 4:26\xt*\x*Konsa, kòlè SENYÈ a va limen kont nou, e Li va detwi nou byen vit. \v 5 Men se konsa nou va fè yo: \x + \xo 7:5 \xo*\xt Egz 23:24\xt*\x*nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife. \v 6 Paske nou se yon pèp ki \x + \xo 7:6 \xo*\xt Egz 19:6 \xt*\x*sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo. \p \v 7 \x + \xo 7:7 \xo*\xt Det 4:37 \xt*\x*“SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, \v 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe \x + \xo 7:8 \xo*\xt Egz 32:13\xt*\x*sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, \x + \xo 7:8 \xo*\xt Egz 32:1-3\xt*\x*SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la. \p \v 9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, \x + \xo 7:9 \xo*\xt Egz 20:6\xt*\x*ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, \v 10 men ki \x + \xo 7:10 \xo*\xt És 59:18\xt*\x*rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li. \p \v 11 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè. \p \v 12 \x + \xo 7:12 \xo*\xt Lev 26:3-13\xt*\x*“Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo. \v 13 Li va \x + \xo 7:13 \xo*\xt Sòm 146:8\xt*\x*renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou. \v 14 Nou va beni plis ke tout pèp. \x + \xo 7:14 \xo*\xt Egz 23:26\xt*\x* P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo. \p \v 15 \x + \xo 7:15 \xo*\xt Egz 15:26\xt*\x*“Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li pa p mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo. \v 16 Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. \x + \xo 7:16 \xo*\xt Det 7:2\xt*\x*Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou. \p \v 17 “Si nou ta di nan kè nou: ‘Nasyon sa yo pi gran ke nou; kijan mwen kapab \x + \xo 7:17 \xo*\xt Nonb 33:53\xt*\x*chase yo?’ \v 18 nou pa pou pè yo. Nou va byen \x + \xo 7:18 \xo*\xt Sòm 105:5\xt*\x*sonje sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè Farawon ak tout Égypte: \v 19 \x + \xo 7:19 \xo*\xt Det 4:34\xt*\x*Nou te wè avèk zye nou gwo eprèv, sign avèk mèvèy, men pwisan avèk bwa lonje pa sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va fè ak tout pèp ke nou konn pè yo. \p \v 20 “Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va voye \x + \xo 7:20 \xo*\xt Egz 23:28\xt*\x*gèp kont yo, jiskaske tout sila ki te rete kache yo vin mouri. \v 21 Nou pa pou pè yo, paske \x + \xo 7:21 \xo*\xt Egz 29:45\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, nan mitan nou, \x + \xo 7:21 \xo*\xt Det 10:17\xt*\x*yon gran Bondye ki mèvèye. \p \v 22 \x + \xo 7:22 \xo*\xt Egz 23:29-30\xt*\x*“SENYÈ a, Bondye nou an, va netwaye retire nasyon sa yo devan nou mòso pa mòso. Nou p ap kab fini avèk yo vit yon sèl kou, paske bèt sovaj yo ta vin peple twòp pou nou. \v 23 \x + \xo 7:23 \xo*\xt Egz 23:27\xt*\x*Men SENYÈ a, Bondye nou an, va livre yo devan nou, e Li va jete yo nan gran konfizyon jiskaske yo vin detwi. \v 24 Li va livre wa yo nan men nou pou nou fè non yo peri anba syèl la. Nanpwen yon moun ki kab kanpe devan nou jiskaske nou fin detwi yo nèt. \p \v 25 “Imaj a dye pa yo, nou va \x + \xo 7:25 \xo*\xt Egz 32:20\xt*\x*brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va \x + \xo 7:25 \xo*\xt Det 7:16\xt*\x*devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an. \v 26 Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba \x + \xo 7:26 \xo*\xt Lev 27:28\xt*\x*madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.” \c 8 \p \v 1 “Tout kòmandman ke Mwen ap kòmande nou jodi a, nou va fè atansyon pou fè yo, pou nou \x + \xo 8:1 \xo*\xt Det 4:1\xt*\x*kapab viv, miltipliye, e antre ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo. \p \v 2 \x + \xo 8:2 \xo*\xt Det 8:16\xt*\x*“Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa tap kenbe kòmandman Li yo. \p \v 3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke \x + \xo 8:3 \xo*\xt Mat 4:4\xt*\x*lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a. \v 4 \x + \xo 8:4 \xo*\xt Det 4:36\xt*\x*Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni pye nou pa t anfle pandan karantan sila yo. \v 5 \x + \xo 8:5 \xo*\xt Det 4:36\xt*\x*Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li. \p \v 6 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li an, e pou krent Li. \v 7 Paske \x + \xo 8:7 \xo*\xt Det 11:9-12\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo; \v 8 yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl; \v 9 yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladann l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv. \p \v 10 “Lè \x + \xo 8:10 \xo*\xt Det 6:11\xt*\x*nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an. \v 11 Veye pou nou pa \x + \xo 8:11 \xo*\xt Det 4:9\xt*\x*bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a. \v 12 Otreman, \x + \xo 8:12 \xo*\xt Pwov 30:9\xt*\x*lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, \v 13 epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, \v 14 alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va \x + \xo 8:14 \xo*\xt Det 8:11\xt*\x*bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. \v 15 Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk \x + \xo 8:15 \xo*\xt Nonb 21:6\xt*\x*sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te \x + \xo 8:15 \xo*\xt Egz 17:6\xt*\x*fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la. \v 16 Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou \x + \xo 8:16 \xo*\xt Det 8:2\xt*\x*pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou. \v 17 Otreman, \x + \xo 8:17 \xo*\xt Det 9:4\xt*\x*nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” \v 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske \x + \xo 8:18 \xo*\xt Pwov 10:22\xt*\x*se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a. \v 19 Li va rive ke si nou bliye SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv lòt dye yo pou adore yo, \x + \xo 8:19 \xo*\xt Det 4:26\xt*\x*Mwen ap fè temwayaj kont nou jodi a menm, ke anverite nou va peri. \v 20 Jan nasyon ke SENYÈ a ap fè peri devan nou yo, konsa \x + \xo 8:20 \xo*\xt Éz 5:5-17\xt*\x*nou va peri, akoz ke nou pa t koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an.” \c 9 \p \v 1 “Koute O Israël! Nou travèse lòtbò Jourdain an jodi a pou antre nan peyi a, e pou deplase \x + \xo 9:1 \xo*\xt Det 4:38\xt*\x*nasyon ki pi gran e pi pwisan ke nou yo; gran vil yo byen fòtifye jis rive nan syèl yo. \v 2 Yon pèp ki gran e wo, fis a Anak yo jeyan yo, ke nou konnen e te tande yo di: \x + \xo 9:2 \xo*\xt Nonb 13:22\xt*\x*‘Kilès ki kab kanpe devan fis Anak yo?’ \v 3 Pou sa, konnen ke jodi a, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki ap travèse devan nou tankou \x + \xo 9:3 \xo*\xt Det 4:24\xt*\x*yon dife devoran. Li va detwi yo e Li va donte yo devan nou pou nou kapab chase yo sòti e detwi yo byen vit, jis jan ke SENYÈ a te pale nou an. \p \v 4 “Pa di nan kè nou, lè SENYÈ a, Bondye nou an, fin chase yo deyò devan nou, ‘Se akoz ladwati mwen, SENYÈ a te mennen mwen antre pou posede peyi sa a.’ Paske se \x + \xo 9:4 \xo*\xt Lev 18:3-30\xt*\x*akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a ap fè yo deplase devan nou. \v 5 Se \x + \xo 9:5 \xo*\xt Tit 3:5\xt*\x*pa akoz ladwati nou, ni kè dwat nou, ki fè nou ap vin posede peyi a, men akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap chase yo devan nou, e pou konfime pawòl la ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob. \p \v 6 “Pou sa, byen konnen ke se pa akoz ladwati nou ke SENYÈ a ap bannou bon peyi sa a pou posede, paske nou se \x + \xo 9:6 \xo*\xt Det 9:13\xt*\x*yon pèp tèt di. \p \v 7 “Sonje, pa bliye jan nou te pwovoke SENYÈ a, Bondye nou an, a lakòlè nan dezè a. \x + \xo 9:7 \xo*\xt Egz 14:10\xt*\x*Depi jou ke nou te kite peyi Égypte la jiskaske lè nou te rive nan kote sa a, nou tap fè rebèl kont SENYÈ a. \v 8 Menm \x + \xo 9:8 \xo*\xt Egz 32:7-10\xt*\x*nan Horeb, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. SENYÈ a te tèlman fache avèk nou ke Li te prèt pou detwi nou. \p \v 9 “Lè mwen te monte nan mòn nan pou resevwa tablo wòch yo, tablo akò ke SENYÈ a te fè avèk nou an, alò, mwen te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit. \x + \xo 9:9 \xo*\xt Egz 24:18\xt*\x*Mwen pa t manje pen ni bwè dlo. \v 10 SENYÈ a te ban mwen de tab wòch ki te \x + \xo 9:10 \xo*\xt Det 4:13\xt*\x*ekri ak dwèt Bondye. Sou yo te tout pawòl ke SENYÈ a te pale avèk nou nan mòn nan, nan mitan dife a nan jou asanble a. \p \v 11 “Li te vin rive \x + \xo 9:11 \xo*\xt Det 9:9 \xt*\x*nan fen karant jou ak karant nwit yo, ke SENYÈ a te ban mwen de tablo wòch, tab akò yo. \v 12 \x + \xo 9:12 \xo*\xt Egz 32:7-8\xt*\x*Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, desann soti isit la byen vit, paske pèp ou a ke nou te fè sòti an Égypte la te vin konwonpi. Yo te vire akote chemen ke Mwen te kòmande a. Yo te fè yon imaj fonn pou kont yo!’ \p \v 13 “SENYÈ a te pale plis avè m e te di: ‘Mwen te wè pèp sa a, vrèman, li se \x + \xo 9:13 \xo*\xt Det 10:16 \xt*\x*yon pèp ki di. \v 14 Kite Mwen sèl pou M kapab detwi yo, e \x + \xo 9:14 \xo*\xt Sòm 9:5\xt*\x*efase non yo soti anba syèl la; Mwen va fè a ou menm yon nasyon pi pwisan e pi gran ke yo.’ \p \v 15 \x + \xo 9:15 \xo*\xt Egz 32:15-19\xt*\x*“Epi mwen te vire desann mòn nan pandan mòn nan t ap brile avèk dife a, ak de tab akò yo nan de men m yo. \v 16 Epi konsa, mwen te wè ke vrèman, nou te peche kont SENYÈ a Bondye nou an. Nou te fè pou nou menm yon ti bèf fonn. Nou te vire detounen byen vit kite chemen ke SENYÈ a te kòmande nou an. \v 17 Mwen te pran de tab sa yo; mwen te jete yo sòti nan men m, e te kraze yo devan zye nou. \p \v 18 \x + \xo 9:18 \xo*\xt Egz 34:28\xt*\x*“Mwen te tonbe ba devan SENYÈ a, yon fwa ankò. Pandan karant jou ak karant nwit mwen pa t manje pen ni bwè dlo \x + \xo 9:18 \xo*\xt Egz 34:9\xt*\x*akoz tout peche ke nou te fè nan fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, pou pwovoke Li a lakòlè. \v 19 Paske \x + \xo 9:19 \xo*\xt Egz 32:10\xt*\x*Mwen te pè lakòlè ak chalè mekontantman avèk sila SENYÈ a te fache kont nou pou L te kapab detwi nou an. Men SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. \p \v 20 “SENYÈ a te ase fache avèk Aaron pou detwi li. Konsa, mwen te priye anplis pou Aaron nan menm lè sa a. \p \v 21 \x + \xo 9:21 \xo*\xt Egz 32:20\xt*\x*“Mwen te pran peche nou an, ti bèf ke nou te fè a, e mwen te brile li avèk dife. Mwen te kraze li fen jiskaske li te vin tankou poud, epi mwen te jete poud li nan ti flèv dlo ki te pase desann nan mòn nan. \p \v 22 “Ankò, nan \x + \xo 9:22 \xo*\xt Nonb 11:3\xt*\x*Tabeéra, nan Massa, ak nan Kibroth-Hattaava, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. \v 23 Lè SENYÈ a te voye nou soti Kadés-Barnéa, Li te di: ‘Ale monte pou posede tè ke mwen te bannou an.’ Men nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a, Bondye nou an. \x + \xo 9:23 \xo*\xt Det 1:26\xt*\x*Nou pa t kwè Li, ni koute vwa Li. \v 24 \x + \xo 9:24 \xo*\xt Det 9:7\xt*\x*Nou te fè rebèl kont SENYÈ a depi jou ke m te konnen nou an. \p \v 25 \x + \xo 9:25 \xo*\xt Det 9:18\xt*\x*“Konsa, mwen te vin tonbe devan SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit, ke m te tonbe a, akoz SENYÈ a te di Li t ap detwi nou. \v 26 \x + \xo 9:26 \xo*\xt Egz 32:11-13\xt*\x*Mwen te priye a SENYÈ a e mwen te di: ‘O SENYÈ a, pa detwi pèp Ou a, eritaj Ou menm nan, ke Ou te peye ranson selon grandè Ou, pou Ou te mennen sòti an Égypte avèk yon men pwisan. \p \v 27 “Sonje sèvitè Ou yo, Abraham, Isaac, ak Jacob. Pa gade rebelyon a pèp sila a, ni sou mechanste yo oswa peche yo. \v 28 Otreman, peyi kote Ou te mennen nou sòti a, kapab di: \x + \xo 9:28 \xo*\xt Egz 32:12\xt*\x*‘Akoz SENYÈ a pa t kapab mennen yo antre nan peyi ke Li te pwomèt yo a, e akoz Li te rayi yo, Li te mennen yo deyò pou touye yo nan dezè a.’ \v 29 Men se pèp Ou yo ye, \x + \xo 9:29 \xo*\xt Det 4:20\xt*\x*eritaj Ou menm, ke Ou te mennen sòti pa gran pouvwa avèk bra lonje.” \c 10 \p \v 1 “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: \x + \xo 10:1 \xo*\xt Egz 34:1\xt*\x*‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e \x + \xo 10:1 \xo*\xt Egz 25:10\xt*\x*fè yon lach an bwa pou kont ou. \v 2 \x + \xo 10:2 \xo*\xt Det 4:13\xt*\x*Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’ \p \v 3 “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te \x + \xo 10:3 \xo*\xt Egz 34:4\xt*\x*taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m. \v 4 Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, \x + \xo 10:4 \xo*\xt Egz 34:28\xt*\x*Dis Kòmanman \x + \xo 10:4 \xo*\xt Egz 20:1\xt*\x*ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo. \v 5 Konsa, mwen te vire \x + \xo 10:5 \xo*\xt Egz 34:29\xt*\x*desann kite mòn nan. Mwen te \x + \xo 10:5 \xo*\xt Egz 40:20\xt*\x*mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.” \p \v 6 (Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. \x + \xo 10:6 \xo*\xt Nonb 20:25-28\xt*\x*La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li. \v 7 \x + \xo 10:7 \xo*\xt Nonb 33:33-34\xt*\x*Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo. \v 8 Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.\x + \xo 10:8 \xo*\xt Nonb 3:6; Det 17:12\xt*\x* \v 9 \x + \xo 10:9 \xo*\xt Nonb 18:20-24\xt*\x* Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a. \p \v 10 \x + \xo 10:10 \xo*\xt Egz 34:28\xt*\x*“Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou. \v 11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’ \p \v 12 \x + \xo 10:12 \xo*\xt Mi 6:8\xt*\x*“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, \x + \xo 10:12 \xo*\xt Det 6:5\xt*\x*renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, \v 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou. \p \v 14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se \x + \xo 10:14 \xo*\xt I Wa 8:27\xt*\x*pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak \x + \xo 10:14 \xo*\xt Sòm 24:1\xt*\x*tè a, avèk tout sa ki ladann. \v 15 \x + \xo 10:15 \xo*\xt Det 4:37\xt*\x*Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. \v 16 \x + \xo 10:16 \xo*\xt Lev 26:41\xt*\x*Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e \x + \xo 10:16 \xo*\xt Det 9:6\xt*\x*pa kite kè nou di ankò. \p \v 17 \x + \xo 10:17 \xo*\xt Jos 22:22\xt*\x*“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e \x + \xo 10:17 \xo*\xt Rev 17:14\xt*\x*SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. \v 18 Li fè jistis pou \x + \xo 10:18 \xo*\xt Egz 22:22-24\xt*\x*òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. \v 19 \x + \xo 10:19 \xo*\xt Lev 19:34\xt*\x*Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. \p \v 20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. \x + \xo 10:20 \xo*\xt Det 11:22\xt*\x*Kole kote Li, e \x + \xo 10:20 \xo*\xt Det 5:11\xt*\x*nou va sèmante pa non pa Li. \v 21 Se Li menm ki \x + \xo 10:21 \xo*\xt Sòm 109:1\xt*\x*lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè. \v 22 \x + \xo 10:22 \xo*\xt Jen 46:27\xt*\x*Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo. \c 11 \p \v 1 “Pou sa, nou va \x + \xo 11:1 \xo*\xt Det 6:5\xt*\x*renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va toujou \x + \xo 11:1 \xo*\xt Lev 18:30\xt*\x*kenbe lòd Li, lwa Li yo, ak règleman Li yo, avèk kòmandman Li yo. \v 2 Byen konnen nan jou sa a, \x + \xo 11:2 \xo*\xt Det 4:34\xt*\x*ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a, \v 3 epi \x + \xo 11:3 \xo*\xt Egz 7:8-21\xt*\x*sign Li yo avèk zèv Li yo ke Li te fè nan mitan Égypte a Farawon an, wa Égypte la, e a tout peyi li a; \v 4 ak sa Li te fè a lame Égypte la, a cheval li yo avèk cha li yo, \x + \xo 11:4 \xo*\xt Egz 14:28\xt*\x*lè Li te fè dlo Lamè Wouj la kouvri yo pandan yo t ap kouri dèyè nou, e SENYÈ a te detwi yo nèt, jiska jou sa a; \v 5 epi sa Li te fè a nou menm nan dezè a jiskaske nou te rive nan kote sa a; \v 6 epi sa Li te fè a\x + \xo 11:6 \xo*\xt Nonb 16:1-35\xt*\x*Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, fis a Ruben, lè tè a te ouvri bouch li, pou te vale yo, tout moun lakay yo, tant yo, ak \x + \xo 11:6 \xo*\xt Nonb 26:10-11\xt*\x*tout bagay vivan nan tout Israël ki te swiv yo—— \v 7 konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo. \p \v 8 “Pou sa, nou va kenbe tout kòmandman ke mwen ap kòmande nou jodi a, \x + \xo 11:8 \xo*\xt Det 31:6-23\xt*\x*pou nou kapab gen fòs pou antre e posede peyi a nan sila nou prèt pou travèse pran an; \v 9 \x + \xo 11:9 \xo*\xt Det 4:40\xt*\x*jis pou jou nou yo kapab vin pi plis nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou ba yo ak desandan pa yo, \x + \xo 11:9 \xo*\xt Egz 3:8\xt*\x*yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl. \v 10 Paske peyi kote nou ap antre pou posede a, se pa tankou peyi Égypte la, kote nou sòti a, kote nou te konn plante semans nou e wouze li avèk pye nou tankou yon jaden legim. \v 11 Men \x + \xo 11:11 \xo*\xt Det 8:7\xt*\x*peyi kote nou prèt pou travèse pran an, yon peyi avèk ti mòn ak vale, k ap bwè dlo ki sòti nan lapli syèl la, \v 12 yon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, renmen anpil. \x + \xo 11:12 \xo*\xt I Wa 9:3\xt*\x*Zye a SENYÈ a, Bondye nou an, toujou sou li, soti nan kòmansman jis rive nan fen ane a. \p \v 13 “Li va vin rive ke si nou \x + \xo 11:13 \xo*\xt Lev 26:3\xt*\x*koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, \v 14 ke \x + \xo 11:14 \xo*\xt Lev 26:4\xt*\x*Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil. \v 15 \x + \xo 11:15 \xo*\xt Sòm 104:14\xt*\x*Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e \x + \xo 11:15 \xo*\xt Det 6:11\xt*\x*nou va manje e va satisfè. \p \v 16 \x + \xo 11:16 \xo*\xt Job 31:27\xt*\x*“Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo. \v 17 Sinon, \x + \xo 11:17 \xo*\xt Det 6:15\xt*\x*lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen \x + \xo 11:17 \xo*\xt I Wa 8:35\xt*\x*syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an. \v 18 \x + \xo 11:18 \xo*\xt Egz 13:9-16\xt*\x*Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. \v 19 \x + \xo 11:19 \xo*\xt Det 4:9-10\xt*\x*Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. \v 20 \x + \xo 11:20 \xo*\xt Det 6:9\xt*\x*Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, \v 21 jis pou \x + \xo 11:21 \xo*\xt Pwov 3:2\xt*\x*jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a. \p \v 22 “Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, \x + \xo 11:22 \xo*\xt Det 11:1\xt*\x*pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e \x + \xo 11:22 \xo*\xt Det 10:20\xt*\x*kenbe fèm a Li, \v 23 alò, SENYÈ a va \x + \xo 11:23 \xo*\xt Det 4:38\xt*\x*chase tout nasyon yo soti devan nou; epi nou va \x + \xo 11:23 \xo*\xt Det 9:1\xt*\x*deplase nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo. \v 24 Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; \x + \xo 11:24 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Lefrat la, pou jis rive nan lanmè lwès la. \v 25 \x + \xo 11:25 \xo*\xt Egz 23:27\xt*\x*P ap gen pèsòn ki kapab kanpe devan nou. SENYÈ a, Bondye nou an, va mete gwo panik de nou ak laperèz nou sou tout peyi kote nou foule pye nou yo, jan Li te deja pale nou an. \p \v 26 \x + \xo 11:26 \xo*\xt Det 30:1-19\xt*\x*“Gade, mwen ap mete devan nou jodi a yon benediksyon avèk yon malediksyon; \v 27 \x + \xo 11:27 \xo*\xt Det 28:1-14\xt*\x*Benediksyon an si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an ke mwen kòmande nou jodi a; \v 28 epi \x + \xo 11:28 \xo*\xt Det 28:15-68\xt*\x*malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo. \p \v 29 “Li va rive, ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou nan peyi kote n ap antre posede a, ke nou va plase benediksyon an nan mòn Garizim nan e malediksyon an nan mòn Ebal la. \v 30 Èske yo pa anfas Jourdain an, vè lwès, vè solèy kouche a, nan peyi Kanaaneyen ki rete Araba yo, anfas \x + \xo 11:30 \xo*\xt Jos 4:19\xt*\x*Guilgal, akote \x + \xo 11:30 \xo*\xt Jen 12:6\xt*\x*chenn Moré yo. \p \v 31 Paske nou prèt pou travèse Jourdain an pou antre posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, e \x + \xo 11:31 \xo*\xt Det 17:14\xt*\x*nou va posede li pou viv ladann. \v 32 Nou va fè atansyon pou fè tout sa lalwa avèk jijman ke mwen ap mete devan nou jodi a. \c 12 \p \v 1 “Sa yo se lwa avèk jijman ke nou va swiv avèk atansyon nan peyi ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou pou posede \x + \xo 12:1 \xo*\xt Det 4:9-10\xt*\x*pandan tout tan ke n ap viv sou tè a. \p \v 2 “Nou va detwi nèt tout kote ke nasyon yo mete dye pa yo pou sèvi yo; sou \x + \xo 12:2 \xo*\xt II Wa 16:4 \xt*\x*mòn wo yo, sou ti mòn yo ak anba tout pyebwa yo. \v 3 \x + \xo 12:3 \xo*\xt Nonb 33:52 \xt*\x*Nou va chire lotèl yo, e kraze pilye sakre yo, e brile poto Asherim nan avèk dife. Nou va koupe imaj taye a dye pa yo, e nou va \x + \xo 12:3 \xo*\xt Egz 23:13\xt*\x*fè disparèt tout tras non yo nan kote sila yo. \p \v 4 “Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an. \v 5 \x + \xo 12:5 \xo*\xt Egz 20:24\xt*\x*Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini. \v 6 La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, \x + \xo 12:6 \xo*\xt Det 14:22\xt*\x*dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo. \v 7 La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va \x + \xo 12:7 \xo*\xt Lev 23:40\xt*\x*rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an. \p \v 8 “Nou p ap fè menm sa ke n ap fè isit la jodi a, konsi \x + \xo 12:8 \xo*\xt Jij 17:6\xt*\x*tout moun ap fè sa ki bon nan pwòp zye li; \v 9 paske nou poko rive nan plas repo ak \x + \xo 12:9 \xo*\xt Det 4:21\xt*\x*eritaj ke SENYÈ a ap bannou an. \p \v 10 “Lè nou travèse Jourdain an pou viv nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la; epi \x + \xo 12:10 \xo*\xt Jos 11:23\xt*\x*Li bannou repo sou tout lènmi ki antoure nou yo pou nou viv ansekirite, \v 11 \x + \xo 12:11 \xo*\xt Det 12:5\xt*\x*alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a. \p \v 12 “Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak \x + \xo 12:12 \xo*\xt Det 12:18-19\xt*\x*Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou. \v 13 Fè atansyon pou nou pa ofri ofrann brile tout kote ke nou wè, \v 14 men kote ke SENYÈ a chwazi nan youn nan tribi nou yo. La, nou va ofri ofrann brile yo, e la, nou va fè tout sa ke mwen kòmande nou yo. \p \v 15 \x + \xo 12:15 \xo*\xt Det 12:20-23\xt*\x*“Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilop la ak sèf la. \v 16 \x + \xo 12:16 \xo*\xt Jen 9:4\xt*\x*Sepandan, nou pa pou bwè san an; \x + \xo 12:16 \xo*\xt Det 15:23\xt*\x*nou dwe vide li atè tankou dlo. \p \v 17 \x + \xo 12:17 \xo*\xt Det 12:26\xt*\x*“Nou pa gen dwa manje anndan pòtay nou yo ofrann dim ki sòti nan sereyal yo, ni premye ne nan twoupo ak nan bann mouton nou yo, ni okenn nan ofrann ve yo, ni ofrann bòn volonte nou yo, ni don ki sòti nan men nou yo. \v 18 Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va \x + \xo 12:18 \xo*\xt Det 12:7\xt*\x*rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann. \v 19 \x + \xo 12:19 \xo*\xt Det 14:27\xt*\x*Fè atansyon pou nou pa abandone Levit la pandan tout tan ke nou rete nan Peyi a. \p \v 20 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin fè lizyè nou grandi, \x + \xo 12:20 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*jan Li te pwomèt nou an, e nou va di: ‘Mwen va manje vyann,’ akoz ke nou vle manje vyann, nou kapab manje vyann, nenpòt sa ke nou pito. \v 21 Si kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou mete non Li an, twò lwen nou, alò, nou kapab touye nan twoupo nou ak bann mouton nou ke SENYÈ a te bannou yo, jan mwen te kòmande nou an. Konsa, nou kapab manje anndan pòtay nou yo nenpòt sa nou pito. \v 22 Menm jan ke yon antilòp oswa yon sèf kon sèvi pou manje; konsa, nou va manje li. Moun ki pwòp ni sila ki pa pwòp kapab manje ladann. \p \v 23 “Sèlman, fè sèten \x + \xo 12:23 \xo*\xt Jen 9:4\xt*\x*ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a. \v 24 Nou p ap bwè li. Nou va vide li atè tankou dlo. \v 25 Nou p ap bwè li jis pou sa kab ale byen pou nou avèk pitit apre nou yo; paske \x + \xo 12:25 \xo*\xt Egz 15:26\xt*\x*nou ap fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. \p \v 26 \x + \xo 12:26 \xo*\xt Nonb 5:9\xt*\x*“Se sèlman bagay ki sen ke nou kapab genyen, ak ofrann ve nou yo, nou va pran pou ale kote ke SENYÈ a chwazi a. \v 27 Konsa, nou va ofri ofrann brile yo, chè a avèk san an sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an. San sakrifis nou yo va vide sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an, epi \x + \xo 12:27 \xo*\xt Lev 3:1-17\xt*\x*nou va manje chè a. \p \v 28 “Fè atansyon pou koute tout pawòl sila yo ke mwen kòmande nou, jis pou \x + \xo 12:28 \xo*\xt Det 4:40\xt*\x*sa kapab ale byen pou nou ak fis apre nou yo pou tout tan, akoz nou fè sa ki bon e jis nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 29 “Lè \x + \xo 12:29 \xo*\xt Jos 23:4\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire devan nou nasyon ke n ap antre deplase yo, epi nou deplase yo e rete nan peyi pa yo, \v 30 veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo? Konsa, mwen va fè menm jan an?’ \v 31 \x + \xo 12:31 \xo*\xt Det 9:5 \xt*\x*Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske \x + \xo 12:31 \xo*\xt Lev 18:21\xt*\x*yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo. \p \v 32 \x + \xo 12:32 \xo*\xt Det 4:2\xt*\x*“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. \x + \xo 12:32 \xo*\xt Pwov 30:6\xt*\x*Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l. \c 13 \p \v 1 \x + \xo 13:1 \xo*\xt Mat 24:24\xt*\x*“Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy, \v 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: \x + \xo 13:2 \xo*\xt Det 13:6-13\xt*\x*‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’ \v 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap \x + \xo 13:3 \xo*\xt Egz 20:20\xt*\x*pase nou a leprèv pou wè si \x + \xo 13:3 \xo*\xt Det 6:5\xt*\x*nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou. \p \v 4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e \x + \xo 13:4 \xo*\xt Det 10:20\xt*\x*kenbe fèm nèt ak Li. \v 5 Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou. \p \v 6 \x + \xo 13:6 \xo*\xt Det 17:2-7 \xt*\x*“Si frè ou a, fis a manman ou a, oswa fis pa w la, oswa fi pa w la, oswa madanm ke nou renmen anpil la, oswa zanmi nou ki tankou pwòp nanm nou an, vin sedwi nou an sekrè pou di: ‘Annou ale sèvi lòt dye yo,’ (ke ni nou menm ni zansèt nou yo, pa t konnen), \v 7 nan dye pèp ki antoure nou yo, kit li touprè, kit li lwen, soti nan yon pwent latè jis rive nan lòt pwent lan), \v 8 nou pa pou dako avè l, ni koute li. “Ni zye nou\x + \xo 13:8 \xo*\xt Pwov 1:10\xt*\x*pa pou fè pitye de li. Nou p ap fè pa li, ni pwoteje li. \v 9 Men anverite, nou va touye li. \x + \xo 13:9 \xo*\xt Lev 24:14\xt*\x*Men ou va premye itilize pou mete li a lanmò, epi apre, men a tout pèp la. \v 10 Konsa, nou va lapide li ak kout wòch jiska lanmò, akoz li te \x + \xo 13:10 \xo*\xt Det 13:5\xt*\x*chache sedwi nou pou kite SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. \v 11 Konsa, tout Israël va tande pou vin gen lakrent; epi pèsòn pami nou p ap janm fè yon bagay mechan konsa ankò. \p \v 12 “Si nou tande de youn nan vil ke SENYÈ a ap bannou pou viv ladann yo, \v 13 ke kèk sanzave te sòti pami nou pou te sedwi abitan a vil pa yo, e te di: \x + \xo 13:13 \xo*\xt Det 13:2\xt*\x*‘Annou ale sèvi lòt dye’ (ke nou pa t janm konnen yo), \v 14 alò, nou va fè ankèt pou byen chache. \p “Si se vrè, zafè a vin etabli ke abominasyon te fèt pami nou, \v 15 \x + \xo 13:15 \xo*\xt Det 13:5\xt*\x*nou va, vrèman, frape sila ki viv nan vil sa a avèk lam nepe. Nou va detwi li nèt avèk tout sa ki ladann l, ni bèt li yo avèk lam nepe. \v 16 \x + \xo 13:16 \xo*\xt Det 7:25-26\xt*\x*Konsa, nou va ranmase tout byen ki sezi nan mitan lari li, epi brile vil la avèk tout byen li avèk dife, kòm yon ofrann brile konplè bay SENYÈ a, Bondye nou an. Li va rete yon pil mazi jis pou tout tan. Li p ap janm rebati. \p \v 17 “Anyen nan zafè entèdi sa a p ap kole nan men nou, pou SENYÈ a kapab detounen nan kòlè Li k ap brile a, epi montre mizerikòd anvè nou, gen konpasyon pou nou, e fè nou vin miltipliye jan Li te sèmante a zansèt nou yo, \v 18 si nou va koute vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, e kenbe tout kòmandman Li yo ke mwen ap kòmande nou jodi a; epi fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye nou an. \c 14 \p \v 1 “Nou se \x + \xo 14:1 \xo*\xt Wo 8:16\xt*\x*fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò. \v 2 Paske nou se yon pèp ki \x + \xo 14:2 \xo*\xt Lev 20:26\xt*\x*sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a. \p \v 3 \x + \xo 14:3 \xo*\xt Éz 4:14\xt*\x*“Nou pa pou manje okenn bagay abominab. \v 4 \x + \xo 14:4 \xo*\xt Lev 11:2-45\xt*\x*Sila yo se bèt ke nou kapab manje: bèf, mouton, kabrit, \v 5 Sèf, kabrit mawon, den, bèf mawon, boukten, antilòp, ak mouton mòn. \v 6 Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje. \p \v 7 “Sepandan, pami sila ki remonte manje yo, oswa sila ki divize zago an de yo: chamo, lapèn ak daman; akoz, malgre yo remonte manje, yo pa divize zago yo, yo pa pwòp pou nou. \v 8 Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo. \p \v 9 “Sila nou kapab manje nan tout sa ki nan dlo yo: Nou ka manje nenpòt sa ki gen zèl naje avèk kal, \v 10 men okenn nan yo ki pa gen zèl naje avèk kal, nou pa pou manje yo; se pa pwòp pou nou. \p \v 11 “Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp. \v 12 Men \x + \xo 14:12 \xo*\xt Lev 11:13\xt*\x*sila ke nou pa pou manje yo: èg, lòfre ak malfini lanmè, \v 13 milan wouj, otou, votou ak tout kalite parèy yo, \v 14 kòbo ak tout kalite parèy yo, \v 15 otrich, ibou, poul dlo, ak malfini avèk tout kalite parèy yo, \v 16 koukou, frize, gwo kana mawon blan, \v 17 grangozye, plonjon, chwèt, \v 18 sigòy, krabye, ak kalite parèy yo, sèpantye, tchotcho ak chòv-souri. \p \v 19 “Tout reptil avèk zèl pa pwòp pou nou. Yo pa pou manje. \v 20 Nou kapab manje nenpòt zwazo ki pwòp. \p \v 21 “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se \x + \xo 14:21 \xo*\xt Det 14:2\xt*\x*yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. \x + \xo 14:21 \xo*\xt Egz 23:19\xt*\x*Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman. \p \v 22 “Chak ane, nou va, \x + \xo 14:22 \xo*\xt Lev 27:30\xt*\x*anverite, bay ladim nan tout pwodwi a sila ke nou plante yo, ki sòti nan chan. \v 23 Nou va manje nan prezans SENYÈ a, \x + \xo 14:23 \xo*\xt Det 12:5 \xt*\x*kote Li chwazi pou etabli non Li an, dim a sereyal nou, a diven nèf nou, a lwil nou, premye ne a twoupo nou ak bann mouton nou, pou nou kapab vin aprann krent SENYÈ a, Bondye nou an, jis pou tout tan. \p \v 24 “Si distans lan tèlman gran pou nou, pou nou pa kapab pote yon dim, akoz kote SENYÈ Bondye nou an chwazi \x + \xo 14:24 \xo*\xt Det 12:5-21 \xt*\x*pou mete non Li an twò lwen nou, lè SENYÈ Bondye nou an, beni nou, \v 25 alò, nou va twoke li pou lajan; epi mare lajan an nan men nou pou ale kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a. \v 26 Nou kapab depanse lajan an pou nenpòt sa ke kè nou dezire: pou bèf kabwèt, oswa mouton, oswa diven, oswa bwason ki fò, oswa nenpòt sa kè nou dezire; epi \x + \xo 14:26 \xo*\xt Det 12:7\xt*\x*la, nou va manje nan prezans SENYÈ a, Bondye nou an; epi rejwi nou menm avèk tout lakay nou. \v 27 Osi, nou p ap neglije \x + \xo 14:27 \xo*\xt Det 12:12\xt*\x*Levit ki nan vil nou an, paske li pa gen pati ni eritaj pami nou. \p \v 28 \x + \xo 14:28 \xo*\xt Det 26:12\xt*\x*“Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an. \v 29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e \x + \xo 14:29 \xo*\xt Det 16:11\xt*\x*etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va \x + \xo 14:29 \xo*\xt Det 6:11\xt*\x*manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè. \c 15 \p \v 1 \x + \xo 15:1 \xo*\xt Det 31:10\xt*\x*“Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo. \v 2 Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame. \p \v 3 \x + \xo 15:3 \xo*\xt Det 23:20\xt*\x*“A yon etranje, nou gen dwa egzije li; men nou va bliye nenpòt sa ki pou nou avèk frè nou. \v 4 Sepandan, p ap gen malere pami nou, (akoz \x + \xo 15:4 \xo*\xt Det 28:8\xt*\x*SENYÈ a va, anverite, beni nou nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm yon eritaj pou posede) \v 5 si sèlman ou koute avèk obeyisans a vwa SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv avèk atansyon tout kòmandman sila ke mwen ap kòmande nou jodi a. \p \v 6 \x + \xo 15:6 \xo*\xt Det 28:12-13\xt*\x*“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou jan Li te pwomèt nou an. Nou va prete a anpil nasyon, men nou p ap prete nan men yo. Nou va domine sou anpil nasyon, men yo p ap domine sou nou. \p \v 7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, \x + \xo 15:7 \xo*\xt I Jn 3:17\xt*\x*nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. \v 8 Men \x + \xo 15:8 \xo*\xt Mat 5:42\xt*\x*nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke. \p \v 9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi \x + \xo 15:9 \xo*\xt Mat 20:15\xt*\x*zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou. \v 10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. \x + \xo 15:10 \xo*\xt Det 14:29\xt*\x*Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann. \p \v 11 \x + \xo 15:11 \xo*\xt Mat 26:11\xt*\x*“Paske malere yo p ap janm sispann la nan peyi a. Akoz sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va louvri men nou byen laj a frè malere nou yo avèk pòv nan peyi nou yo.’ \p \v 12 \x + \xo 15:12 \xo*\xt Egz 21:2-6\xt*\x*“Si moun peyi parèy nou yo, yon Ebre, gason oswa fanm, vann a nou menm, alò, li va sèvi nou pandan sis ane, men nan setyèm ane a, nou va ba li libète. \v 13 Lè nou lage li, nou p ap voye li ale men vid. \v 14 Nou va byen founi li soti nan bann mouton an, rekòlt jaden ak nan sitèn diven an. Nou va ba li jan SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an. \v 15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a. \p \v 16 “Li va vin rive ke \x + \xo 15:16 \xo*\xt Egz 21:5-6\xt*\x*si li di nou: “Mwen p ap sòti kite nou,” paske li renmen nou avèk tout lakay nou, akoz ke sa mache byen pou li avèk nou; \v 17 alò, nou va pran yon pik byen file pou pèse zòrèy li nèt antre nan poto pòt la, epi li va sèvitè nou nèt. Osi, nou va fè menm bagay la avèk sèvant yo. \v 18 Li p ap sanble li difisil pou nou lè nou lage li, paske li te bannou sis ane nan doub sèvis yon anplwaye. Konsa, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan nenpòt sa nou fè. \p \v 19 \x + \xo 15:19 \xo*\xt Egz 21:5-6\xt*\x*“Nou va konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, tout mal premye ne ki fèt nan twoupo oswa bann mouton nou yo. Nou p ap travay avèk premye ne nan twoupo nou, ni taye lenn nan premye ne nan bann mouton an. \v 20 \x + \xo 15:20 \xo*\xt Lev 7:15-18\xt*\x*Nou avèk tout lakay nou va manje li chak ane devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan kote ke SENYÈ a chwazi a. \p \v 21 \x + \xo 15:21 \xo*\xt Lev 22:19-25\xt*\x*“Men si li gen yon defo, tankou bwate, avèg, oswa nenpòt gwo defo, nou pa pou fè sakrifis li bay SENYÈ a, Bondye nou an. \v 22 Nou va manje li anndan pòtay nou yo. Pa pwòp la avèk pwòp la menm jan an, tankou \x + \xo 15:22 \xo*\xt Det 12:15-22\xt*\x*yon kabrit mawon oswa yon sèf. \v 23 Sèlman, \x + \xo 15:23 \xo*\xt Jen 9:4\xt*\x* nou p ap bwè san li. Nou dwe vide li atè tankou dlo. \c 16 \p \v 1 “Obsève mwa Abib lan pou \x + \xo 16:1 \xo*\xt Nonb 28:16\xt*\x*selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan. \v 2 Nou va fè sakrifis Pak a SENYÈ a, Bondye nou an, soti nan bann mouton avèk twoupo a, kote SENYÈ a chwazi pou etabli non Li an. \p \v 3 “Nou p ap manje pen ak ledven avè l. Sèt jou, nou va manje nan li pen san ledven, pen afliksyon an (paske nou te sòti nan peyi Égypte la prese prese), pou nou kab sonje tout jou sa a tout lavi nou, jou ke nou te sòti nan peyi Égypte la.\x + \xo 16:3 \xo*\xt Egz 12:8-39; Det 4:9\xt*\x* \v 4 Pandan sèt jou, p ap gen ledven k ap parèt pami nou nan tout teritwa nou yo; ni \x + \xo 16:4 \xo*\xt Egz 12:8-10\xt*\x*okenn nan chè ke nou sakrifye nan aswè premye jou a, p ap rete tout nwit lan pou rive maten. \p \v 5 “Nou pa kapab fè sakrifis Pak la nan nenpòt nan vil ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, \v 6 men \x + \xo 16:6 \xo*\xt Det 12:5\xt*\x*kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an, nou va fè sakrifis Pak la nan aswè, nan lè solèy kouche, nan menm lè jou ke nou te sòti an Égypte la. \v 7 Nou va \x + \xo 16:7 \xo*\xt Egz 12:8\xt*\x*kwit e manje li nan plas ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi a. Nan maten, nou va retounen nan tant yo. \v 8 Sis jou, nou va manje pen san ledven an. Konsa, \x + \xo 16:8 \xo*\xt Nonb 28:25\xt*\x*nan setyèm jou a, va genyen yon konvokasyon solanèl a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay nan li. \p \v 9 \x + \xo 16:9 \xo*\xt Egz 23:16\xt*\x*“Nou va kontwole sèt semèn pou kont nou. Nou va kòmanse konte sèt semèn yo soti nan lè nou kòmanse mete kouto nan grenn sereyal la. \v 10 Epi nou va selebre Fèt Semèn a SENYÈ yo, Bondye nou an, avèk don a yon ofrann bòn volonte nan men nou, ke nou va bay selon jan SENYÈ a beni nou. \v 11 Konsa, nou va \x + \xo 16:11 \xo*\xt Det 12:7\xt*\x*rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè avèk sèvant nou yo, Levit ki nan vil nou an, e \x + \xo 16:11 \xo*\xt Det 14:29\xt*\x*etranje avèk òfelen ak vèv ki nan mitan nou yo, nan kote ke SENYÈ Bondye nou an, chwazi pou etabli non Li an. \v 12 Nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e nou va fè atansyon pou obsève tout lwa sa yo. \p \v 13 \x + \xo 16:13 \xo*\xt Lev 23:34-43\xt*\x*“Nou va selebre Fèt Tonèl yo sèt jou apre nou fin fè antre, tout grenn jaden ak sitèn diven an. \v 14 Nou va \x + \xo 16:14 \xo*\xt Det 16:11\xt*\x*rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo. \v 15 Sèt jou, nou va selebre yon fèt a SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a chwazi a, akoz SENYÈ Bondye nou an, va beni nou nan rekòlt nou yo ak nan tout travay men nou yo, pou nou kab vin ranpli nèt avèk jwa. \p \v 16 \x + \xo 16:16 \xo*\xt Egz 23:14-17\xt*\x*“Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid. \v 17 Chak moun va bay jan li kapab, selon benediksyon SENYÈ a, te bannou an. \p \v 18 “Nou va chwazi pou nou menm jij avèk ofisye nan tout vil ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou yo, selon tribi yo, e yo va jije pèp la avèk jijman ki dwat. \v 19 \x + \xo 16:19 \xo*\xt Egz 23:2\xt*\x*Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo. \v 20 Lajistis e se sèl lajistis nou va swiv, pou \x + \xo 16:20 \xo*\xt Det 4:1\xt*\x*nou kapab viv e posede peyi ke SENYÈ, Bondye nou an, ap bannou an. \p \v 21 \x + \xo 16:21 \xo*\xt Det 7:5\xt*\x*“Nou pa pou plante pou kont nou yon Ashera, ni okenn kalite pyebwa akote lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, ke nou va fè pou tèt nou. \v 22 \x + \xo 16:22 \xo*\xt Lev 26:1\xt*\x*Nou pa pou etabli pou kont nou okenn wòch sakre ke SENYÈ Bondye nou an, rayi. \c 17 \p \v 1 \x + \xo 17:1 \xo*\xt Det 15:21\xt*\x*“Nou p ap fè sakrifis a SENYÈ Bondye nou an, ni bèf, ni mouton ki gen fot oswa okenn defo; paske sa se yon bagay abominab a SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 2 “Si sa twouve nan mitan nou, nan okenn vil nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou yo, yon nonm oswa yon fanm ki fè sa ki mal nan zye SENYÈ Bondye nou an, nan transgrese akò Li a, \v 3 epi te ale \x + \xo 17:3 \xo*\xt Egz 22:20\xt*\x*sèvi lòt dye yo pou adore yo, \x + \xo 17:3 \xo*\xt Job 31:26-28\xt*\x*kit se solèy la, lalin nan, oswa nenpòt nan lame syèl la, ke mwen pa te kòmande, \v 4 epi si yo di nou sa, e nou te tande sa, alò, nou va fè yon ankèt avèk dilijans. Veye byen, epi si se vrè, e se sèten ke bagay abominab sila a te fèt an Israël, \v 5 alò, nou va mennen nonm sa a oswa fanm sa a ki te fè zak mechan sa a nan pòtay nou yo, e \x + \xo 17:5 \xo*\xt Lev 24:14\xt*\x*nou va lapide li ak kout wòch jiskaske li mouri. \p \v 6 \x + \xo 17:6 \xo*\xt Nonb 35:30\xt*\x*“Sou temwayaj a de temwen oswa twa temwen, sila ki dwe mouri an, va vin mete a lanmò. Li p ap mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen. \v 7 Se men a temwen yo k ap premye kont li pou mete li a lanmò; epi apre, se men a tout pèp la. \x + \xo 17:7 \xo*\xt I Kor 5:13 \xt*\x*Konsa nou va netwaye mechanste a soti nan mitan ou. \p \v 8 \x + \xo 17:8 \xo*\xt II Kwo 19:10\xt*\x*“Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a. \p \v 9 “Konsa, nou va rive kote \x + \xo 17:9 \xo*\xt Det 19:17\xt*\x*prèt Levit la ki se chèf la nan jou sa yo, nou va mande yo, e yo va deklare jijman sou ka a. \v 10 Nou va konfòme avèk tèm a jijman sila ke yo te deklare a nou menm soti kote ke SENYÈ a chwazi a. Nou va fè atansyon pou obsève tout sa ke yo enstwi nou. \v 11 \x + \xo 17:11 \xo*\xt Det 25:1\xt*\x*Selon tèm lalwa ke yo enstwi nou yo, e selon desizyon ke yo di nou, nou va fè yo. Nou pa pou vire akote pawòl ke yo deklare a nou menm yo, ni adwat, ni agoch. \p \v 12 “Nonm nan ki aji avèk ògèy e ki pa koute prèt la ki kanpe la a pou sèvi SENYÈ Bondye nou an, ni jij la, nonm sila a va mouri. Se konsa, nou va retire mal sa a soti an Israël. \v 13 Epi \x + \xo 17:13 \xo*\xt Det 17:12\xt*\x*tout pèp la va tande, pou gen krentif, e yo p ap aji avèk ògèy ankò. \p \v 14 “Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, bannou an pou posede, e nou viv ladann, nou va di: \x + \xo 17:14 \xo*\xt I Sam 8:5-20\xt*\x*‘Annou mete yon wa sou nou tankou tout nasyon ki antoure nou yo’. \v 15 Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki \x + \xo 17:15 \xo*\xt Jr 30:21\xt*\x*soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou. \p “Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou. \v 16 Anplis, li p ap miltipliye cheval pou pwòp tèt li, ni li p ap \x + \xo 17:16 \xo*\xt És 31:1\xt*\x*fè pèp la retounen an Égypte pou miltipliye cheval; akoz SENYÈ a te di nou: ‘Nou p ap retounen la ankò.’ \v 17 \x + \xo 17:17 \xo*\xt II Sam 5:13\xt*\x*Li p ap pran anpil fanm; sinon, kè li va detounen. Ni li p ap ranmase anpil ajan avèk lò pou tèt li. \p \v 18 “Alò, li va rive ke lè li chita sou twòn wayòm li an, li va ekri pou tèt li yon kopi de lwa sila a sou yon woulo papye, \x + \xo 17:18 \xo*\xt Det 31:24-26\xt*\x*nan prezans prèt Levit yo. \v 19 Li va rete avèk li, e li va li li pandan \x + \xo 17:19 \xo*\xt Det 4:9-10\xt*\x*tout jou lavi li, pou li kapab aprann gen krent SENYÈ a, Bondye li a, pou l swiv avèk atansyon tout pawòl lwa sa a, ak règleman sila yo, pou fè yo; \v 20 e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, \x + \xo 17:20 \xo*\xt Det 5:32\xt*\x*e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël. \c 18 \p \v 1 \x + \xo 18:1 \xo*\xt Det 10:9\xt*\x*“Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li. \v 2 \x + \xo 18:2 \xo*\xt Nonb 18:20\xt*\x*Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a. \p \v 3 \x + \xo 18:3 \xo*\xt Lev 7:32-34\xt*\x*“Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan. \v 4 Nou va ba li \x + \xo 18:4 \xo*\xt Nonb 18:12\xt*\x*premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo. \v 5 \x + \xo 18:5 \xo*\xt Egz 29:9\xt*\x*Paske SENYÈ a te chwazi li ak fis li yo pami tout tribi nou yo pou kanpe e sèvi nan non SENYÈ a jis pou tout tan. \p \v 6 “Alò, si yon Levit sòti nan youn nan vil nou yo atravè tout Israël kote li \x + \xo 18:6 \xo*\xt Nonb 35:2-3\xt*\x*rete a, e li vini nenpòt lè li vle kote ke SENYÈ a chwazi a, \v 7 alò, li va sèvi nan non SENYÈ a, Bondye li a, tankou tout Levit parèy li yo ki kanpe la devan SENYÈ a. \v 8 \x + \xo 18:8 \xo*\xt Lev 27:30-33\xt*\x*Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an. \p \v 9 “Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann \x + \xo 18:9 \xo*\xt Det 9:5\xt*\x*imite bagay abominab a nasyon sa yo. \v 10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, \v 11 ni youn pami nou ki fè cham, \x + \xo 18:11 \xo*\xt Lev 19:31\xt*\x*k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. \v 12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. \x + \xo 18:12 \xo*\xt Lev 16:24\xt*\x*Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou. \p \v 13 \x + \xo 18:13 \xo*\xt Jen 6:9\xt*\x* “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki \x + \xo 18:14 \xo*\xt II Wa 21:6\xt*\x*pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa. \v 15 \x + \xo 18:15 \xo*\xt Mat 21:11\xt*\x*SENYÈ Bondye nou an, va fè leve nan mitan nou yon pwofèt tankou mwen, pami Izrayelit parèy nou yo, nou va koute li. \v 16 Paske se sa \x + \xo 18:16 \xo*\xt Egz 20:18-19\xt*\x*nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’ \p \v 17 \x + \xo 18:17 \xo*\xt Det 5:28\xt*\x*“SENYÈ a te di mwen: ‘Yo te pale byen. \p \v 18 “‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, \x + \xo 18:18 \xo*\xt És 51:16\xt*\x*Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li. \v 19 \x + \xo 18:19 \xo*\xt Trav 3:23\xt*\x*Li va vin rive ke nenpòt moun ki pa koute pawòl Mwen yo ke li va pale nan non Mwen, Mwen Menm, Mwen va egzije sa de li menm. \v 20 Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa \x + \xo 18:20 \xo*\xt Det 13:1-2\xt*\x*ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’ \p \v 21 “Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’ \v 22 \x + \xo 18:22 \xo*\xt Jr 28:9\xt*\x*Lè yon pwofèt pale nan non SENYÈ a, si bagay la pa fèt, oswa pa rive vrè, se bagay sa ke SENYÈ a pa t pale a. Pwofèt la te pale li avèk awogans. Nou pa pou pè li. \c 19 \p \v 1 \x + \xo 19:1 \xo*\xt Det 6:10-11\xt*\x*“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo, \v 2 \x + \xo 19:2 \xo*\xt Det 4:41\xt*\x*“Nou va mete akote twa vil pou nou menm nan mitan peyi nou an, ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou pou posede a. \v 3 Nou va prepare wout pou nou menm, e divize an twa pati teritwa a peyi ke SENYÈ a va bannou kòm posesyon an, jis pou nenpòt moun ki touye moun kapab sove ale ladann. \p \v 4 \x + \xo 19:4 \xo*\xt Nonb 35:9-34\xt*\x*“Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan—— \v 5 tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa, epi men li voye rach la pou koupe bwa a, fè tèt fè a vin pati pou l frape zanmi li an, e li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv. \v 6 Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rakontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan. \v 7 Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’ \p \v 8 “Si SENYÈ, Bondye nou an, fè teritwa nou an \x + \xo 19:8 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*vin pi gran, jan li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou tout tè ke li te pwomèt pou bay zansèt nou yo; \v 9 epi si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, \x + \xo 19:9 \xo*\xt Det 6:5\xt*\x*pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va ogmante anplis twa vil ankò pou nou menm. \v 10 Jis pou san inosan pa vèse nan mitan teritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou \x + \xo 19:10 \xo*\xt Nonb 35:33\xt*\x*koupabilite san an pa vin rete sou nou. \p \v 11 “Men \x + \xo 19:11 \xo*\xt Egz 21:12\xt*\x*si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo, \v 12 alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri. \v 13 Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou. \p \v 14 \x + \xo 19:14 \xo*\xt Det 27:17\xt*\x*“Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede. \p \v 15 \x + \xo 19:15 \xo*\xt Nonb 35:30\xt*\x*“Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka. \p \v 16 \x + \xo 19:16 \xo*\xt Egz 23:1\xt*\x*“Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè, \v 17 alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe \x + \xo 19:17 \xo*\xt Det 17:9\xt*\x*devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo. \p \v 18 “Jij yo \x + \xo 19:18 \xo*\xt Det 25:1\xt*\x*va fè ankèt konplè; epi si temwayaj la se yon fo temwayaj, e li te fè fo temwayaj kont frè l, \v 19 alò, \x + \xo 19:19 \xo*\xt Pwov 19:5\xt*\x*nou va fè li menm bagay ke li t ap fè rive a frè li a. Konsa, nou va netwaye mechanste fèt pami pèp nou an. \v 20 \x + \xo 19:20 \xo*\xt Det 17:13\xt*\x*Lòt yo va tande, vin gen krentif, e yo p ap janm fè ankò yon bagay mechan konsa pami nou. \v 21 Konsa, zye nou p ap gen pitye: \x + \xo 19:21 \xo*\xt Egz 21:23\xt*\x*vi pou vi, \x + \xo 19:21 \xo*\xt Mat 5:38\xt*\x*zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye. \c 20 \p \v 1 “Lè nou ale fè batay kont lènmi nou yo, nou wè cheval avèk cha ak pèp ki plis pase nou, \x + \xo 20:1 \xo*\xt II Kwo 32:7-8\xt*\x*pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Égypte la, avèk nou. \v 2 Lè nou ap pwoche batay la, prèt la va pwoche pou pale avèk pèp la. \v 3 Li va di yo: ‘Tande O Israël, n ap pwoche batay la kont lènmi nou yo jodi a. \x + \xo 20:3 \xo*\xt Det 20:1\xt*\x*Pa fè kè sote. Pa pè, ni pa sezi, ni tranble devan yo, \v 4 paske \x + \xo 20:4 \xo*\xt Det 1:30\xt*\x*se SENYÈ a, Bondye nou an, ki prale avèk nou, pou goumen pou nou kont lènmi nou yo, pou sove nou.’ \p \v 5 “Ofisye militè yo, osi, va pale avèk pèp la, e di: ‘Se kilès nan mesye yo ki te bati yon kay tounèf e ki poko etabli ladann? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kab mouri nan batay la, e yon lòt va vin etabli ladann. \v 6 Kilès nan mesye yo ki te plante yon chan rezen e ki poko sèvi nan fwi li? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt moun va vin sèvi nan fwi li a. \v 7 \x + \xo 20:7 \xo*\xt Det 24:5\xt*\x*Epi kilès nan mesye yo ki fiyanse a yon fi e ki poko marye avè l? Kite li sòti retounen lakay li. Otreman, li kapab mouri nan batay la e yon lòt mesye kapab vin marye avè l.’ \p \v 8 “Konsa, ofisye yo va pale plis avèk pèp la pou di: ‘Kilès nan mesye yo ki gen laperèz oswa ki manke gen kouraj? Kite li sòti retounen lakay li pou li pa fè kè frè li yo fann tankou kè pa li.’ \v 9 Lè ofisye yo fin pale ak pèp la, yo va chwazi kòmandan lame yo kòm chèf an tèt pèp la. \p \v 10 “Lè nou pwoche yon vil pou goumen kont li, nou va ofri li kondisyon lapè. \v 11 Si li dakò pou fè lapè avèk nou e louvri pou nou; alò, tout pèp ki ladann yo va devni \x + \xo 20:11 \xo*\xt I Wa 9:21\xt*\x*fòs travay kòve nou, e va sèvi nou. \v 12 Men si li pa fè lapè avèk nou, men fè lagè kont nou, alò, nou va fè syèj kont li. \p \v 13 “Lè SENYÈ a, Bondye nou an, livre li nan men nou, \x + \xo 20:13 \xo*\xt Nonb 31:7\xt*\x*nou va frape tout mesye yo avèk lam nepe. \v 14 Sèlman fanm avèk pitit avèk \x + \xo 20:14 \xo*\xt Jos 8:2\xt*\x*bèt avèk tout piyaj la, nou va pran kòm byen ki sezi pou kont nou. Nou gen dwa sèvi piyaj lènmi nou yo ke SENYÈ a te bannou. \p \v 15 “Konsa, nou va fè a tout vil ki lwen nou yo, ki pa pati nan vil a nasyon ki toupre yo. \p \v 16 \x + \xo 20:16 \xo*\xt Egz 23:31-33\xt*\x*“Sèlman, nan vil a pèp sa yo ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la, nou pa pou kite anyen viv ki respire. \v 17 Nou va detwi yo nèt; Etyen yo, Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, \v 18 jis pou yo pa vin enstwi nou selon tout bagay abominab ke yo te fè pou dye pa yo, pou nou vin peche kont SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 19 “Lè nou fè syèj yon vil pandan anpil tan, pou fè lagè kont li pou nou kapab pran li an kaptivite, nou pa pou detwi pyebwa li yo nan voye rach sou yo; pou nou kapab manje nan yo, e nou pa pou koupe yo. Paske èske pyebwa chan an se yon moun, ke nou ta dwe fè syèj ladann? \v 20 Sèlman bwa ke nou konnen ki pa bay fwi yo, nou va detwi yo e koupe yo, pou nou kapab konstwi syèj yo kont vil ki kont nou an, jiskaske l fin tonbe. \c 21 \p \v 1 “Si yon moun yo te touye, twouve kouche nan mitan chan nan peyi ke SENYÈ a bannou pou posede a, epi yo pa konnen ki moun ki te frape li, \v 2 alò, ansyen nou yo avèk jij nou yo va ale deyò pou mezire distans pou rive nan vil ki antoure sila ke yo te touye a. \p \v 3 “Li va fèt ke vil ki pi pre moun ke yo te touye a, la pou ansyen nan vil sa a pran yon bèf gazèl ki sòti nan twoupo a, ki poko travay, e ki poko rale chaj. \v 4 Konsa, ansyen nan vil sa yo va mennen gazèl la desann nan yon vale avèk kouran dlo, ki potko raboure ni plante. Li va kase kou gazèl la nan plas kote vale a. \p \v 5 “Alò, \x + \xo 21:5 \xo*\xt Det 17:9-11\xt*\x*prèt yo, fis a Levit yo, va pwoche toupre, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi yo pou sèvi Li e pou beni nan non SENYÈ a; chak kont, chak ka blese, se yo menm k ap regle yo. \v 6 Tout ansyen nan vil ki pi pre moun ke yo te touye a va \x + \xo 21:6 \xo*\xt Mat 27:24\xt*\x*lave men yo sou gazèl kou kase nan vale a. \v 7 Yo va reponn e di: ‘Men nou pa t vèse san sa a, ni zye nou yo pa t wè li. \v 8 Padone pèp Ou a, Israël, ke ou te peye ranson pou li a; O SENYÈ, pa mete koupabilite \x + \xo 21:8 \xo*\xt Nonb 35:33-34\xt*\x*san inosan an nan mitan pèp Ou a, Israël.’ Epi koupabilite san pa yo a va padone. \v 9 \x + \xo 21:9 \xo*\xt Det 19:13\xt*\x*Konsa, nou va retire koupabilite san inosan an soti nan mitan nou, lè nou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a. \p \v 10 “Lè nou sòti nan batay kont lènmi nou yo, epi \x + \xo 21:10 \xo*\xt Jos 21:44\xt*\x*SENYÈ, Bondye nou an, livre yo nan men nou pou nou mennen yo ale an kaptivite, \v 11 epi nou vin wè pami kaptif yo yon bèl fanm, nou gen yon dezi pou li pou ta pran li kòm madanm pou nou menm, \v 12 alò, nou va mennen li lakay nou. Li va \x + \xo 21:12 \xo*\xt Lev 14:8-9\xt*\x*pase razwa sou tèt li, e taye zong li. \v 13 Li va, osi, retire rad kaptivite li yo, e li va \x + \xo 21:13 \xo*\xt Sòm 45:10\xt*\x*fè lamantasyon pou papa li avèk manman li pandan jis yon mwa. Apre, nou kapab vin antre ladann pou vin mari li, e li va madanm nou. \v 14 Li va rive ke, si nou pa kontan avèk li, alò, nou va kite li ale kote li vle a; men anverite, nou p ap gen dwa vann li pou lajan. Nou p ap maltrete li, akoz nou te \x + \xo 21:14 \xo*\xt Jen 29:33\xt*\x*imilye li. \p \v 15 “Si yon nonm gen de madanm, youn ke li renmen anpil e lòt la ke li pa renmen, epi toude fè fis pou li, si premye ne a, se pou sila ke li pa renmen an, \v 16 epi li va rive nan jou ke li vin separe byen li gen avèk fis li yo, li pa kapab fè fis a sila li te renmen an vin premye ne avan fis a sila li pa t renmen an, ki se premye ne a. \v 17 Men li va rekonèt premye ne a, fis a sila li pa t renmen an, avèk yon doub pòsyon a tout sa li posede; paske se te kòmansman fòs li. \x + \xo 21:17 \xo*\xt Jen 25:31\xt*\x*A li devni dwa a premye ne a. \p \v 18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, \v 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. \v 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ \v 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, \x + \xo 21:21 \xo*\xt Det 19:19\xt*\x*nou va retire mal sa a nan mitan nou. \x + \xo 21:21 \xo*\xt Det 13:11\xt*\x*Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif. \p \v 22 “Si yon nonm te fè yon peche ki \x + \xo 21:22 \xo*\xt Det 22:26\xt*\x*merite lanmò, epi nou fè l pann sou yon bwa, \v 23 \x + \xo 21:23 \xo*\xt Jn 19:31\xt*\x*kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske \x + \xo 21:23 \xo*\xt Gal 3:13\xt*\x*sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la. \c 22 \p \v 1 \x + \xo 22:1 \xo*\xt Egz 23:4-5\xt*\x*“Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an. \v 2 Si vwazen nou an pa pre nou, oswa nou pa konnen li, alò, nou va mennen li lakay nou, e li va rete la jiskaske vwazen nou vin chache li, pou nou remèt li a li menm. \v 3 Konsa, nou va fè avèk bourik li. Nou va fè menm jan an avèk manto li. Nou va fè menm jan an avèk nenpòt bagay ke li pèdi lè nou twouve l. Ou pa gen dwa neglije bagay sa yo. \p \v 4 “Nou pa pou wè bourik, ni bèf a vwazen nou ki tonbe nan chemen, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va ede li leve yo. \p \v 5 “Yon fanm pa pou mete rad gason, ni gason mete rad fanm. Lè yon moun fè bagay sa a, yo abominab a SENYÈ Bondye nou an. \p \v 6 “Si nou vin jwenn yon nich zwazo akote chemen an, nan nenpòt pyebwa oswa atè, avèk ti jèn zwazo yo oswa ze yo, epi manman an chita sou ti zwazo oswa sou ze yo, \x + \xo 22:6 \xo*\xt Lev 22:28\xt*\x*nou pa kapab pran manman an ansanm avèk ti jèn zwazo yo. \v 7 Nou va, anverite, kite manman an sòti lib. Men jèn ti zwazo yo, nou kapab pran yo pou nou menm, \x + \xo 22:7 \xo*\xt Det 4:40\xt*\x* pou sa kapab byen pou nou e pou nou kapab viv pandan anpil jou. \p \v 8 “Lè nou bati yon kay tounèf, nou va fè yon balistrad ki antoure teras twati a pou nou pa vin koupab de san si yon moun ta vin tonbe. \p \v 9 \x + \xo 22:9 \xo*\xt Lev 19:19\xt*\x*“Nou pa pou plante chan rezen an avèk de kalite semans; oswa, tout pwodwi ki sòti nan sa nou plante a, ak pwodwi chan rezen an, va vin gate. \p \v 10 \x + \xo 22:10 \xo*\xt II Kor 6:14\xt*\x*“Nou pa pou raboure avèk yon bèf ak yon bourik ansanm. \p \v 11 \x + \xo 22:11 \xo*\xt Lev 19:19\xt*\x*“Nou pa pou mete twal ki mele len avèk twal fen tankou koton ansanm. \v 12 \x + \xo 22:12 \xo*\xt Nonb 15:37-41\xt*\x*Nou va fè ponpon nan kat kwen vètman ki kouvri nou yo. \p \v 13 “Si yon nonm pran yon madanm pou ale sou kabann avèk li, epi pita li vin vire kont li \v 14 pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’ \v 15 alò, papa avèk manman fi a va pran li e prezante temwayaj prèv ke li te vyèj bay ansyen lavil yo devan pòtay la. \v 16 Papa a fi a va di a ansyen yo: ‘Mwen te bay pitit mwen a mesye sila a kòm madanm, men li te vire kont li. \v 17 Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la. \v 18 Konsa, \x + \xo 22:18 \xo*\xt Egz 18:21\xt*\x*ansyen yo va pran nonm nan pou ba li chatiman. \v 19 Konsa, yo va fè l peye san sik an ajan, pou bay a papa fi a, akoz li te fè difamasyon piblikman sou yon fi an Israël. Epi konsa, li va rete toujou kòm madanm li. Li p ap ka divòse ak li pandan tout jou li yo. \p \v 20 “Men si \x + \xo 22:20 \xo*\xt Det 17:4\xt*\x*akizasyon sa a vrè, ke fi a pa t vyèj, \v 21 alò, yo va mennen fi a deyò pòtay lakay papa l la, epi mesye lavil yo va lapide li jiskaske li mouri akoz li te \x + \xo 22:21 \xo*\xt Jen 34:7\xt*\x*komèt yon betiz lèd an Israël, lè l te fè pwostitisyon lakay papa l la. \x + \xo 22:21 \xo*\xt Det 13:5\xt*\x*Konsa, nou va retire mal la pami nou. \p \v 22 \x + \xo 22:22 \xo*\xt Lev 20:10\xt*\x*“Si yo twouve yon nonm kouche avèk yon fanm ki marye, alò, yo toude va mouri, nonm ki te kouche avè l la, ansanm ak fanm nan. Konsa, nou va retire mal la sou Israël. \p \v 23 \x + \xo 22:23 \xo*\xt Lev 19:20-22\xt*\x*“Si gen yon fi ki vyèj ki fiyanse ak yon nonm, epi yon lòt mesye twouve li nan vil la, e kouche avèk li, \v 24 alò, nou va mennen yo toude deyò pòtay vil sa a, epi nou va lapide yo ak kout wòch jiska lanmò. Fi a, akoz li pa t kriye fò nan vil la, e mesye a, akoz li te vyole fanm vwazen li an. Konsa, nou va retire mal la pami nou. \p \v 25 “Men si se nan chan deyò ke mesye a vin jwenn fi ki fiyanse a; epi mesye a fòse li kouche avèk li; alò, sèlman mesye ki kouche avèk li a, va mouri. \v 26 Men nou p ap fè fi a anyen. Nanpwen peche nan fi a ki merite lanmò; paske menm jan ke yon nonm leve kont vwazen li pou touye li a, se konsa ka sa a ye. \v 27 Lè li te twouve li nan chan an, fi fiyanse a te kriye fò, men li pa t gen pèsòn la pou sove l. \p \v 28 \x + \xo 22:28 \xo*\xt Egz 22:16\xt*\x*“Si yon nonm twouve yon fi ki vyèj, ki pa fiyanse, epi sezi li pou kouche avèk li, e li vin dekouvri , \v 29 alò, mesye ki te kouche avè l la, va bay papa fi a senkant sik an ajan. Konsa, li va devni madanm li akoz li te imilye li. Li pa kapab divòse ak li pandan tout jou li yo. \v 30 \x + \xo 22:30 \xo*\xt Lev 18:8\xt*\x*Yon gason pa pou pran madanm a papa li. Li pa pou dekouvri jip papa l. \c 23 \p \v 1 “\x + \xo 23:1 \xo*\xt Lev 21:20\xt*\x*Nanpwen pèsòn avèk boul grenn li kraze oswa koupe ki va antre nan asanble SENYÈ a. \p \v 2 Nanpwen pèsòn ki ne nan yon relasyon ilejitim ki va antre nan asanble SENYÈ a. Ni okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a. \p \v 3 \x + \xo 23:3 \xo*\xt Né 13:1-2\xt*\x* Nanpwen Amonit ni Moabit ki va antre nan asanble SENYÈ a. Okenn nan desandan li yo menm jis rive nan dizyèm jenerasyon p ap antre nan asanble SENYÈ a, \v 4 akoz yo pa t vin jwenn nou avèk manje ak dlo lè nou te sòti an Égypte la, epi akoz yo te achte sèvis \x + \xo 23:4 \xo*\xt Nonb 22:5\xt*\x*Balaam, fis Beor ki sòti Pethor nan Mésopotamie pou modi nou. \v 5 Sepandan, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t dakò tande Balaam. Men SENYÈ a, Bondye nou an, te \x + \xo 23:5 \xo*\xt Pwov 26:2\xt*\x*vire madichon an pou l devni yon benediksyon pou nou akoz SENYÈ nou an renmen nou. \v 6 \x + \xo 23:6 \xo*\xt Esd 9:12\xt*\x*Nou pa pou chache lapè pou yo, ni pwosperite yo pandan tout jou nou yo. \p \v 7 Nou pa pou meprize yon Edomit, paske \x + \xo 23:7 \xo*\xt Jen 25:24-26\xt*\x*li se frè nou. Nou pa pou meprize yon Ejipsyen, paske nou te yon etranje nan peyi li. \v 8 Fis a twazyèm jenerasyon ki fèt pou yo a kapab antre nan asanble SENYÈ a. \p \v 9 Lè nou sòti kòm yon lame kont lènmi nou yo, nou va evite tout kalite move bagay. \v 10 Si gen pami nou, yon nonm ki pa pwòp akoz li ejakile nan lannwit; alò, li oblije ale deyò kan an. Li pa kapab reantre nan kan an, \v 11 men li va fèt ke lè aswè rive, li va benyen tèt li avèk dlo. Konsa, lè solèy kouche, li kapab reantre nan kan an. \p \v 12 Ou va, osi, gen yon kote deyò kan an; epi se la ou gen pou ou ale pou eliminen pèsonèl. \v 13 Konsa, nou va genyen yon pèl pami zouti nou yo, epi li va fèt ke lè nou chita deyò a, nou va fouye avèk li, e nou va kouvri poupou nou. \v 14 Akoz \x + \xo 23:14 \xo*\xt Lev 26:12\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, mache nan mitan kan nou yo pou delivre nou, e venk lènmi nou yo devan nou; pou sa, fòk kan nou yo \x + \xo 23:14 \xo*\xt Egz 3:5\xt*\x*sen. Fòk Li pa wè anyen ki pa pwòp pami nou; oswa, Li va vire kite nou. \p \v 15 \x + \xo 23:15 \xo*\xt I Sam 30:15\xt*\x*Nou pa pou lonje remèt yon esklav ki te kouri kite mèt li pou rive kote nou. \v 16 Li va viv avèk nou nan mitan nou, nan yon kote li chwazi pami youn nan vil pa nou yo ki fè l plezi. \x + \xo 23:16 \xo*\xt Egz 22:21\xt*\x*Nou pa pou maltrete li. \p \v 17 \x + \xo 23:17 \xo*\xt Lev 19:29\xt*\x*Okenn nan fi Israël yo p ap sèvi kòm pwostitiye nan tanp payen yo. \x + \xo 23:17 \xo*\xt II Wa 23:7\xt*\x*Ni okenn nan fis Israël yo p ap sèvi pou pwostitiye nan tanp payen yo. \v 18 Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon \x + \xo 23:18 \xo*\xt Lev 18:22\xt*\x*chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 19 \x + \xo 23:19 \xo*\xt Egz 22:25\xt*\x*Nou pa pou mande enterè lajan a sitwayen parèy nou yo: enterè sou lajan, manje, oswa nenpòt bagay ki kapab prete ak enterè. \v 20 Nou kapab tire enterè sou yon etranje; men pou sitwayen parèy nou, nou pa pou mande enterè, jis pou \x + \xo 23:20 \xo*\xt Det 15:10\xt*\x*SENYÈ, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout sa ke nou eseye fè nan peyi ke nou prèt pou antre posede a. \p \v 21 \x + \xo 23:21 \xo*\xt Nonb 30:1-2\xt*\x*Lè nou fè yon ve a SENYÈ a, Bondye nou an, nou p ap pran reta pou peye li, paske sa ta yon peche nan ou, e SENYÈ, Bondye nou an, va, anverite, egzije l nan men nou. \v 22 Sepandan, si nou te evite fè ve a, sa pa t ap peche nan nou. \v 23 Nou va fè atansyon pou fè tout sa ki sòti nan lèv nou. Nenpòt jan ke nou te fè ve selon volonte SENYÈ a, Bondye nou an, tout sa nou oblije fè. \p \v 24 Lè nou antre nan chan rezen vwazen nou, nou kapab manje rezen yo jiskaske vant nou plen; men nou pa pou mete nan panyen nou. \v 25 \x + \xo 23:25 \xo*\xt Mat 12:1\xt*\x*Lè nou antre nan chan sereyal ki pou vwazen nou, nou gen dwa rekòlte tèt grenn yo avèk men nou; men nou pa kapab voye kouto a nan rekòlt sereyal a vwazen nou an. \c 24 \p \v 1 “Lè yon nonm pran yon madanm pou marye avèk li, epi li rive ke li pa jwenn favè nan zye li, akoz ke li twouve kèk defo nan li, \x + \xo 24:1 \xo*\xt Mat 5:31\xt*\x*li ekri li yon sètifika divòs, mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li. \v 2 Konsa, lè l kite kay li, li gen dwa pou ale devni madanm a yon lòt mesye. \v 3 Si dezyèm mari a vire kont li e ekri li yon sètifika divòs, e mete sètifika a nan men li pou mete li deyò lakay li; oswa, si dezyèm mari li te genyen an, vin mouri, \v 4 premye mari ki te voye li ale a, pa gen dwa pran li ankò kòm madanm li, akoz sa konwonpi. Paske sa se yon bagay abominab devan SENYÈ a. \p “Epi nou pa pou mennen peche sou peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou kòm eritaj la. \p \v 5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan. \p \v 6 “Pèsòn pa pou pran wòch moulen anwo a kòm sekirite; paske se tankou li te pran vi a moun nan kòm sekirite. \p \v 7 \x + \xo 24:7 \xo*\xt Egz 21:16\xt*\x*“Si yo pran yon moun nan kidnape nenpòt nan sitwayen fis Israël yo, epi li te trete l kon esklav, oswa li te vann li; alò, vòlè sila a va mouri. Konsa, nou va retire mechanste pami nou. \p \v 8 \x + \xo 24:8 \xo*\xt Lev 13:1-57\xt*\x*“Fè atansyon kont enfeksyon lalèp, pou nou swiv avèk dilijans e fè tout sa ke prèt Levit yo te enstwi nou. Jan mwen te kòmande yo a, se konsa nou va fè atansyon pou nou fè. \v 9 Sonje sa ke SENYÈ Bondye nou an, te fè Marie nan chemen an pandan nou t ap sòti an Égypte la. \p \v 10 \x + \xo 24:10 \xo*\xt Egz 22:26-27\xt*\x*“Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti. \v 11 Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou. \v 12 Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li. \v 13 \x + \xo 24:13 \xo*\xt Egz 22:26\xt*\x*Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. \x + \xo 24:13 \xo*\xt Det 6:25\xt*\x*Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. \v 14 \x + \xo 24:14 \xo*\xt Lev 25:35-43\xt*\x*Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo. \v 15 \x + \xo 24:15 \xo*\xt Lev 19:13\xt*\x*Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou. \p \v 16 “Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo. \p \v 17 \x + \xo 24:17 \xo*\xt Egz 23:9\xt*\x*“Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti. \v 18 Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la. Akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a. \p \v 19 “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va \x + \xo 24:19 \xo*\xt Det 14:29\xt*\x*pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, \x + \xo 24:19 \xo*\xt Pwov 19:17\xt*\x*kapab beni nou nan tout travay men nou yo. \v 20 \x + \xo 24:20 \xo*\xt Lev 19:10\xt*\x*Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la. \v 21 Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la. \p \v 22 “Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a. \c 25 \p \v 1 “Si gen yon konfli antre de mesye, epi yo ale devan tribinal lan pou jij yo deside ka yo, \x + \xo 25:1 \xo*\xt Det 1:16-17\xt*\x*yo gen pou jistifye sila ki gen ladwati a, e kondane sila ki mechan an. \v 2 Konsa, li va rive ke si nonm ki mechan an, \x + \xo 25:2 \xo*\xt Pwov 19:29\xt*\x*merite bat, jij la va fè li kouche, e fè bat li nan prezans li avèk fòs kantite kou ki koresponn avèk koupabilite li a. \v 3 \x + \xo 25:3 \xo*\xt II Kor 11:24\xt*\x*Li kapab bat li karant fwa, men pa plis, jis pou li pa bat li avèk plis kou ke sa, epi frè nou an pa vin degrade nan zye nou. \p \v 4 \x + \xo 25:4 \xo*\xt Pwov 12:10\xt*\x*“Nou pa pou mare bouch a bèf la pandan l ap travay moulen an. \p \v 5 “Lè frè yo viv ansanm, youn nan yo mouri e li pa gen fis, madanm a sila ki mouri an p ap marye deyò fanmi an ak yon lòt mesye. \x + \xo 25:5 \xo*\xt Mat 22:24\xt*\x*Frè mari li a va antre nan li, epi pran li pou li menm kòm madanm pou fè devwa a yon frè mari a pou li. \v 6 Li va rive ke premye ne ke li fè a, \x + \xo 25:6 \xo*\xt Rt 4:5-9\xt*\x*li va pran non a frè mouri an, pou non li pa efase soti an Israël. \p \v 7 \x + \xo 25:7 \xo*\xt Rt 4:5-6\xt*\x*“Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’ \v 8 Alò, ansyen a vil li yo va voye li pale avèk li menm frè a. Epi si li pèsiste e li di: ‘Mwen pa vle pran li,’ \v 9 \x + \xo 25:9 \xo*\xt Rt 4:7-8\xt*\x*alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, e\x + \xo 25:9 \xo*\xt Nonb 12:14\xt*\x*krache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’ \v 10 An Israël, non li va rele: “Lakay a sila yo retire sapat la”. \p \v 11 “Si de mesye, yon mesye avèk yon sitwayen parèy li ap lite ansanm, si madanm nan prè pou livre mari li a sila ki ap frape li a, e lonje men l pou sezi pati jenital li, \v 12 alò, nou va koupe men li. \x + \xo 25:12 \xo*\xt Det 7:2\xt*\x*Nou pa pou gen pitye pou li menm. \p \v 13 \x + \xo 25:13 \xo*\xt Lev 19:35-37\xt*\x*“Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. \v 14 Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. \v 15 Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, \x + \xo 25:15 \xo*\xt Egz 20:12\xt*\x*jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an. \v 16 Paske \x + \xo 25:16 \xo*\xt Pwov 11:1\xt*\x*tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 17 \x + \xo 25:17 \xo*\xt Egz 17:8-16\xt*\x*“Sonje sa ke Amalec te fè nou pandan nou te nan chemen pou sòti an Égypte la, \v 18 kijan li te rankontre nou nan chemen an e te atake pami nou tout sila ki rete dèyè yo lè nou te fatige e san fòs la. Li \x + \xo 25:18 \xo*\xt Sòm 36:1\xt*\x*pa t krent Bondye. \p \v 19 “Pou sa, li va vin rive ke lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin bannou \x + \xo 25:19 \xo*\xt Det 12:9\xt*\x*repo de tout lènmi ki antoure nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj pou posede a, nou va efase memwa a Amalec soti anba syèl la. Nou pa pou bliye sa. \c 26 \p \v 1 “Konsa, li va rive ke lè nou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou kòm eritaj la, epi nou vin posede li pou viv ladann, \v 2 ke nou va pran kèk nan \x + \xo 26:2 \xo*\xt Egz 22:29\xt*\x*premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e \x + \xo 26:2 \xo*\xt Det 12:5\xt*\x*ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an. \v 3 Nou va ale vè prèt ki anplas nan tan sa a, e nou va di li: ‘Mwen deklare nan jou sa a SENYÈ a, Bondye ou, ke mwen te antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an.’” \p \v 4 “Alò, prèt la va pran panyen an soti nan men ou e mete li devan lotèl SENYÈ a, Bondye ou a. \p \v 5 “Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: \x + \xo 26:5 \xo*\xt Jen 43:1-14\xt*\x*‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun. \v 6 \x + \xo 26:6 \xo*\xt Egz 1:8-11\xt*\x*Ejipsyen yo te trete nou byen di e te aflije nou. Yo te enpoze travay fòse sou nou. \v 7 Alò, \x + \xo 26:7 \xo*\xt Egz 2:23-25\xt*\x*nou te kriye a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, epi SENYÈ a te tande vwa nou e te wè afliksyon nou avèk travay di ak opresyon yo. \v 8 \x + \xo 26:8 \xo*\xt Det 4:34\xt*\x*Konsa, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan, yon bra lonje, avèk gwo krent, avèk sign ak mèvèy. \v 9 Li te mennen nou nan kote sa a, e te bannou peyi sa a, \x + \xo 26:9 \xo*\xt Egz 3:8-17\xt*\x*yon peyi k ap koule avèk lèt ak siwo myèl. \p \v 10 “‘Koulye a, veye byen, mwen te mennen premye pwodwi a tè a, \x + \xo 26:10 \xo*\xt Det 8:18\xt*\x*ke Ou menm, O SENYÈ a te ban mwen.’ Ou va mete li la devan SENYÈ a, Bondye ou a, epi adore devan SENYÈ a, Bondye ou a; \v 11 epi ou menm avèk Levit la ak etranje ki pami nou an va \x + \xo 26:11 \xo*\xt Det 12:7\xt*\x*rejwi nan tout bonte ke SENYÈ a, Bondye ou a, te bannou avèk tout lakay nou. \p \v 12 \x + \xo 26:12 \xo*\xt Lev 27:30\xt*\x*“Lè nou fin peye tout dim a pwodwi yo nan twazyèm ane a, ane a dim nan; alò, nou va bay li a Levit la, a etranje a, a òfelen an, e a vèv la, pou yo kapab manje nan vil nou yo e vin satisfè. \p \v 13 “Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo. \v 14 Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo. \v 15 \x + \xo 26:15 \xo*\xt Sòm 80:14\xt*\x*Gade anba depi nan abitasyon sen Ou an, depi nan syèl la, e beni pèp Ou a, Israël avèk tè ke Ou \x + \xo 26:15 \xo*\xt Det 26:9\xt*\x*te bannou an, yon tè ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan Ou te sèmante a zansèt nou yo.’ \p \v 16 “Nan jou sa a, SENYÈ a Bondye nou an, kòmande nou pou fè lwa avèk règleman sila yo. Nou va fè atansyon pou fè yo \x + \xo 26:16 \xo*\xt Det 4:29\xt*\x*avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou. \p \v 17 \x + \xo 26:17 \xo*\xt Sòm 48:14\xt*\x*“Jodi a, nou te pwoklame SENYÈ a, se Bondye nou, ke nou ta mache nan chemen Li yo, kenbe lwa Li yo, règleman Li yo ak kòmandman Li yo, e koute vwa Li. \p \v 18 “Jodi a, SENYÈ a te pwoklame nou se \x + \xo 26:18 \xo*\xt Egz 6:7\xt*\x*pèp Li, yon posesyon presye, jan Li te pwomèt nou an, epi nou ta dwe kenbe tout kòmandman Li yo. \v 19 Konsa, Li va plase nou wo anwo tout lòt nasyon ke Li te fè yo, pou lwanj, repitasyon ak onè, pou nou kapab yon \x + \xo 26:19 \xo*\xt Egz 19:6\xt*\x*pèp konsakre a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li te pale a.” \c 27 \p \v 1 Epi Moïse avèk ansyen Israël yo te bay lòd a pèp la. Li te di: “Kenbe tout kòmandman mwen kòmande nou jodi a yo. \v 2 \x + \xo 27:2 \xo*\xt Jos 8:30-32\xt*\x*Se konsa sa va ye nan jou ke nou travèse Jourdain an pou rive nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, pou nou fè kanpe pou nou menm gwo wòch e kouvri yo avèk mòtye lacho. \v 3 Nou va ekri sou yo tout pawòl a lwa sa yo, lè nou travèse, jis pou nou kapab antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an, \x + \xo 27:3 \xo*\xt Det 26:9\xt*\x*yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pwomèt nou an. \p \v 4 “Se konsa sa va ye pou nou lè nou travèse Jourdain an. Nou va fè kanpe \x + \xo 27:4 \xo*\xt Det 11:29\xt*\x*sou mòn Ébal wòch sa yo, jan mwen ap kòmande nou jodi a, epi nou va kouvri yo avèk lacho. \v 5 Anplis, nou va bati la, yon lotèl a SENYÈ a, Bondye nou an, yon lotèl avèk wòch. \x + \xo 27:5 \xo*\xt Egz 20:25\xt*\x*Nou p ap voye yon zouti fè sou yo. \v 6 Nou va bati lotèl SENYÈ a, Bondye nou an, avèk wòch ki pa taye. Konsa, nou va ofri sou li ofrann brile a SENYÈ a, Bondye nou an. \v 7 Nou va fè sakrifis ofrann lapè yo, e nou va manje la. Konsa, nou va \x + \xo 27:7 \xo*\xt Det 26:11\xt*\x*rejwi nou devan SENYÈ a, Bondye nou an. \v 8 Nou va ekri sou wòch yo tout pawòl a lwa sila yo, byen klè.” \p \v 9 Moïse avèk prèt Levit yo te pale avèk tout Israël. Yo te di: “Fè silans O Israël! Nan jou sa a menm, nou devni yon pèp pou SENYÈ a, Bondye nou an. \v 10 Pou sa, nou va obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va fè kòmandman Li yo avèk règleman Li yo ke mwen te kòmande nou jodi a.” \p \v 11 Moïse te osi bay lòd a pèp la nan jou sa a. Li te di: \v 12 “Lè nou travèse Jourdain an, men sila ki va kanpe sou \x + \xo 27:12 \xo*\xt Det 11:29\xt*\x*Mòn Garizim pou beni pèp la: Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Joseph avèk Benjamin. \v 13 Pou pwononse malediksyon yo, sila yo va kanpe sou Mòn Ébal: Ruben, Gad, Aser, Zabulon, Dan ak Nephtali.” \p \v 14 “Levit yo va, alò, reponn e di a tout pèp Israël la avèk yon gran vwa: \p \v 15 ‘Modi se mesye ki fè \x + \xo 27:15 \xo*\xt Egz 20:4-23\xt*\x*yon zidòl oswa yon imaj ki fonn, yon bagay abominab a SENYÈ a, zèv a yon ouvriye, e ki monte li an sekrè.’ Epi tout pèp la va reponn pou di: ‘Amen’. \p \v 16 \x + \xo 27:16 \xo*\xt Egz 20:12\xt*\x*‘Modi se sila ki dezonore papa l oswa manman l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. \p \v 17 \x + \xo 27:17 \xo*\xt Det 19:14\xt*\x*‘Modi se sila ki deplase limit lizyè vwazen li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. \p \v 18 \x + \xo 27:18 \xo*\xt Lev 19:14\xt*\x*‘Modi se sila ki mal gide yon avèg sou wout la.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. \p \v 19 \x + \xo 27:19 \xo*\xt Egz 22:21\xt*\x*‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. \p \v 20 \x + \xo 27:20 \xo*\xt Egz 22:21\xt*\x*‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. \p \v 21 \x + \xo 27:21 \xo*\xt Egz 22:19\xt*\x*‘Modi se sila ki kouche avèk nenpòt bèt.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. \p \v 22 \x + \xo 27:22 \xo*\xt Lev 18:9\xt*\x*‘Modi se sila ki kouche avèk sè li, fi a papa li, oswa a manman li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’ \p \v 23 \x + \xo 27:23 \xo*\xt Lev 18:9\xt*\x*‘Modi se sila ki kouche avèk bèlmè li.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’ \p \v 24 \x + \xo 27:24 \xo*\xt Egz 21:12\xt*\x*‘Modi se sila ki frape vwazen li an sekrè.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. \p \v 25 \x + \xo 27:25 \xo*\xt Egz 23:7\xt*\x*‘Modi se sila ki aksepte lajan pou asasine yon moun inosan.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’. \p \v 26 \x + \xo 27:26 \xo*\xt Sòm 119:21\xt*\x*‘Modi se sila ki pa konfime pawòl a lwa sa yo avèk aksyon li’. Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’” \c 28 \p \v 1 \x + \xo 28:1 \xo*\xt Egz 15:26\xt*\x*“Alò, li va rive ke si yo obeyi avèk dilijans SENYÈ a, Bondye nou an, e fè atansyon pou fè tout kòmandman Li yo ke mwen kòmande nou jodi a, SENYÈ a va plase nou wo, pi wo pase tout lòt nasyon sou latè yo. \p \v 2 “Tout benediksyon sila yo va \x + \xo 28:2 \xo*\xt Za 1:6\xt*\x*vini sou nou, epi yo va tonbe sou nou nèt, si nou tande vwa SENYÈ a, Bondye nou an. \v 3 Nou va beni nan vil, e beni \x + \xo 28:3 \xo*\xt Jen 39:5\xt*\x*andeyò. \v 4 Beni va fwi a vant nou, pòtre a bèt nou yo, kwasans a twoupo nou yo ak jenn pòtre a bann mouton nou yo. \v 5 Beni va panyen nou avèk veso k ap foule pat pen an. \v 6 Beni lè nou \x + \xo 28:6 \xo*\xt Sòm 121:8\xt*\x*antre, epi beni lè nou sòti. \p \v 7 “SENYÈ a va fè lènmi ki leve kont nou yo bat devan nou. Yo va vin parèt kont nou nan yon sèl direksyon, men y ap sove ale devan nou nan sèt direksyon. \p \v 8 “SENYÈ a va kòmande benediksyon sou nou nan depo nou yo, nan \x + \xo 28:8 \xo*\xt Det 15:10\xt*\x*tout bagay, depi nou mete men nou ladann. Li va beni nou nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou an. \p \v 9 \x + \xo 28:9 \xo*\xt Egz 19:5\xt*\x*“SENYÈ a va etabli nou kòm yon pèp ki sen a Li Menm, jan Li te sèmante a nou menm nan, si nou kenbe kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo. \v 10 Konsa, tout pèp sou latè yo va wè ke \x + \xo 28:10 \xo*\xt II Kwo 7:14\xt*\x*nou rele pa non SENYÈ a, e yo va pè nou. \v 11 \x + \xo 28:11 \xo*\xt Det 28:4\xt*\x*“SENYÈ a va fè nou ogmante an pwosperite, nan fwi zantray nou, nan fètilite bèt nou yo, ak nan pwodwi tè nou yo, nan peyi ke SENYÈ a, te sèmante a zansèt nou yo pou bannou an. \p \v 12 “SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. \x + \xo 28:12 \xo*\xt Det 23:20\xt*\x*Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete. \v 13 \x + \xo 28:13 \xo*\xt Det 28:1-44\xt*\x*SENYÈ a va fè nou tèt olye de ke. Nou va anwo tou sèl, e nou p ap anba, si nou koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, ke mwen pase lòd bannou jodi a, pou nou swiv avèk atansyon, \v 14 epi \x + \xo 28:14 \xo*\xt Det 5:32\xt*\x*pa vire akote okenn nan pawòl ke mwen kòmande nou jodi a, ni adwat, ni agoch, pou ale apre lòt dye yo pou sèvi yo. \p \v 15 \x + \xo 28:15 \xo*\xt Lev 26:14-43\xt*\x*“Men li va vin rive ke si nou pa obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou swiv tout kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ke mwen pase lòd bannou jodi a, ke tout malediksyon sa yo va vini sou nou, pou pran nou. \p \v 16 \x + \xo 28:16 \xo*\xt Det 28:3\xt*\x*“Modi nou va ye nan vil la, epi modi nou va ye andeyò. \p \v 17 \x + \xo 28:17 \xo*\xt Det 28:5\xt*\x*“Modi va panyen nou ak bòl k ap pote pen nou. \p \v 18 \x + \xo 28:18 \xo*\xt Det 28:4\xt*\x*“Modi va fwi zantray nou ak pwodwi a tè nou yo, kwasans twoupo a, avèk jenn pòtre bann mouton nou yo. \p \v 19 \x + \xo 28:19 \xo*\xt Det 28:6\xt*\x*“Modi nou va ye lè nou antre, epi modi nou va ye lè nou sòti. \p \v 20 \x + \xo 28:20 \xo*\xt Det 28:8\xt*\x*“SENYÈ a va voye sou nou madichon, twoub, avèk menas nan tout sa nou eseye fè, jiskaske nou fin detwi nèt, akoz mechanste a zèv nou yo, akoz ke nou te abandone mwen. \p \v 21 \x + \xo 28:21 \xo*\xt Lev 26:25\xt*\x*“SENYÈ a va fè gwo epidemi vin kole sou nou jiskaske li fin manje nou soti nan peyi kote nou ap antre pou posede a. \p \v 22 \x + \xo 28:22 \xo*\xt Lev 26:16\xt*\x*“SENYÈ a va frape nou avèk epidemi tibèkiloz ak lafyèv, enflamasyon ak chalè ki brile, avèk nepe, maladi ki seche jaden, avèk pichon. Yo va kouri dèyè nou jiskaske nou mouri. \v 23 Syèl sou tèt nou an va vin bwonz, epi tè anba pye nou an va vin fè. \v 24 \x + \xo 28:24 \xo*\xt Det 11:17\xt*\x*SENYÈ a va fè lapli tè nou an avèk poud e pousyè ki soti nan syèl la. Li va tonbe sou nou jiskaske nou fin detwi. \p \v 25 \x + \xo 28:25 \xo*\xt Det 28:7\xt*\x*“SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo. \v 26 \x + \xo 28:26 \xo*\xt Jr 7:33\xt*\x*Kadav nou va fè manje pou zwazo anlè yo ak bèt sovaj latè yo. Epi konsa, p ap gen moun ki pou chase yo ale. \p \v 27 \x + \xo 28:27 \xo*\xt Egz 9:9\xt*\x*“SENYÈ a va frape nou avèk abse Égypte yo, avèk \x + \xo 28:27 \xo*\xt I Sam 5:6\xt*\x*timè e avèk kal sou po nou, ak gratèl, nan sila p ap gen gerizon yo. \p \v 28 “SENYÈ a va frape nou pou fè nou fou, avèg ak sezi nan kè. \v 29 Nou va \x + \xo 28:29 \xo*\xt Egz 10:21\xt*\x*tatonnen gwo midi, tankou yon avèg tatonnen nan tenèb, epi nou pa p pwospere nan zafè nou yo. Men nou va tout tan oprime e kontinyèlman viktim vòl, san genyen pèsòn pou bannou sekou. \p \v 30 \x + \xo 28:30 \xo*\xt Job 31:10\xt*\x*“Nou va fiyanse yon madanm, men yon lòt mesye va vyole li. \x + \xo 28:30 \xo*\xt Am 5:11\xt*\x*Nou va bati yon kay, men nou p ap viv ladann. Nou va plante yon chan rezen, men nou p ap sèvi nan fwi li. \p \v 31 “Bèf nou va touye devan zye nou, men nou p ap manje ladann. Bourik nou va rache nan men nou, e yo p ap remèt bannou. Mouton nou va bay a lènmi nou yo, e nou p ap gen okenn moun ki pou sove nou. \p \v 32 \x + \xo 28:32 \xo*\xt Det 28:41\xt*\x*“Fis nou yo ak fi nou yo va bay a yon lòt pèp. Zye nou yo ap gade sou sa e anvi wè yo tout tan, men p ap gen anyen nou kapab fè. \p \v 33 \x + \xo 28:33 \xo*\xt Jr 5:15-17\xt*\x*“Yon pèp nou pa menm konnen va vin manje pwodwi a tè nou yo ak tout travay nou yo. Nou p ap janm wè anyen sof ke oprime e kraze tout tan. \v 34 Sa nou wè ak zè nou va fè nou vin fou nèt. \v 35 \x + \xo 28:35 \xo*\xt Det 28:27\xt*\x*SENYÈ a va frape nou sou jenou ak janm avèk abse ki fè mal, ki pa gen gerizon soti anba pye nou rive jis anwo tèt nou. \p \v 36 \x + \xo 28:36 \xo*\xt II Wa 17:4-5\xt*\x*“SENYÈ a va mennen nou avèk wa ke nou mete sou nou yo, a yon nasyon ki ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, fèt ak bwa ak wòch. \v 37 \x + \xo 28:37 \xo*\xt I Wa 9:7-8\xt*\x*Nou va devni yon objè meprize etonan, yon pwovèb, yon plezi pami tout pèp kote SENYÈ a pouse nou ale yo. \p \v 38 \x + \xo 28:38 \xo*\xt És 5:10\xt*\x*“Nou va pote anpil semans nan chan yo, men nou va ranmase piti, paske krikèt yo va manje yo. \v 39 \x + \xo 28:39 \xo*\xt És 5:10\xt*\x*Nou va plante e kiltive chan rezen yo, men nou p ap bwè diven, ni ranmase fwi yo, paske vè va devore yo. \v 40 \x + \xo 28:40 \xo*\xt Jr 11:16\xt*\x*Nou va genyen pye doliv nan tout teritwa nou yo, men nou p ap onksyone nou avèk lwil, paske fwi doliv yo va tonbe. \p \v 41 \x + \xo 28:41 \xo*\xt Det 28:32\xt*\x*“Nou va gen fis ak fi, men yo p ap pou nou, paske yo va antre an kaptivite. \p \v 42 \x + \xo 28:42 \xo*\xt Det 28:38\xt*\x*“Krikèt va posede tout bwa ak pwodwi latè nou yo. \p \v 43 \x + \xo 28:43 \xo*\xt Det 28:13\xt*\x*“Etranje ki pami nou an, va leve pi wo e pi wo ke nou, men nou va desann piba, e piba. \v 44 \x + \xo 28:44 \xo*\xt Det 28:12\xt*\x*Li va prete nou lajan, men nou p ap gen pou prete li. Li va tèt, nou menm, nou va ke. \p \v 45 “Konsa tout madichon sa yo va vini sou nou pou pran nou \x + \xo 28:45 \xo*\xt Det 4:25-26\xt*\x*jiskaske nou fin detwi, akoz nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa t kenbe Kòmandman Li yo ak lwa Li yo, ke Li te kòmande nou. \p \v 46 “Madichon sa yo va devni \x + \xo 28:46 \xo*\xt Nonb 26:10\xt*\x*yon sign ak yon mèvèy pou nou ak desandan nou yo jis pou tout tan. \v 47 Akoz nou pa t sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou ta twouve tout bagay, avèk jwa ak kè kontan. \v 48 Pou sa, nou va sèvi lènmi nou yo ke SENYÈ a va voye kont nou, \x + \xo 28:48 \xo*\xt Lam 4:4-6\xt*\x*nan grangou, nan swaf, nan toutouni ak nan manke tout bagay. Konsa, Li \x + \xo 28:48 \xo*\xt Jr 28:13-14\xt*\x*va mete yon jouk fèt an fè sou kou nou jiskaske Li fin detwi nou. \p \v 49 \x + \xo 28:49 \xo*\xt És 5:26-30\xt*\x*“SENYÈ a va mennen yon nasyon kont nou soti lwen nan dènye pwent latè, \x + \xo 28:49 \xo*\xt Jr 48:40\xt*\x*tankou èg desann; yon nasyon ak yon langaj nou p ap konprann, \v 50 yon nasyon, avèk figi fewòs, ki \x + \xo 28:50 \xo*\xt És 47:6\xt*\x* p ap gen respè pou ansyen yo, ni montre favè a jèn yo. \v 51 Yo va manje fwi a twoupo nou yo ak pwodwi a tè nou yo jiskaske nou fin detwi. Yo p ap kite anyen, ni diven nèf la, ni lwil, ni fwi a twoupo nou yo oswa bann mouton nou yo jiskaske yo fè nou mouri. \v 52 \x + \xo 28:52 \xo*\xt Jr 10:17-18\xt*\x*Yo va mete syèj sou nou nan tout vil nou yo jiskaske miray wo byen fòtifye nan sila nou te mete konfyans nou yo tonbe atravè peyi nou an. Yo va fè syèj sou nou nan vil nou yo nan tout peyi ke SENYÈ a te bannou an. \p \v 53 “Konsa, nou va vin manje pitit a pwòp vant nou, chè a fis nou yo avèk fi nou yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou yo, pandan syèj la, ak tan rèd lan lè lènmi nou yo oprime nou. \p \v 54 “Nonm pami nou ki byen rafine e ki janti a va vin sovaj anvè frè li, anvè madanm ke li renmen anpil la, ak anvè tout lòt pitit li ki rete yo, \v 55 jis li p ap bay menm youn nan yo okenn nan chè a pitit li ke li va manje a; akoz nanpwen anyen ki rete, pandan syèj la ak tan di anpil la, pa sila ke lènmi nou yo va oprime nou nan tout vil nou yo. \p \v 56 \x + \xo 28:56 \xo*\xt Lam 4:10\xt*\x*“Fanm pami nou ki byen rafine e ki janti a, ki pa t ap eseye menm mete pye li atè tèlman li rafine e janti, li va vin sovaj anvè mari li ke li renmen anpil la, anvè fis li avèk fi li, \v 57 epi anvè vant ki sòti antre janm li yo lè l fè pitit e anvè pitit li yo ke li fè; paske \x + \xo 28:57 \xo*\xt II Wa 6:28-29\xt*\x*li va manje yo an sekrè akoz mank tout lòt bagay pandan syèj la, e akoz soufrans pa sila lènmi nou va oprime nou nan vil nou yo. \p \v 58 “Konsa, si nou pa fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo ki ekri nan liv sila yo, avèk \x + \xo 28:58 \xo*\xt Sòm 99:3\xt*\x*krent non sa a ki plen onè e ki mèvèye la, SENYÈ a, Bondye nou an, \v 59 alò, SENYÈ a va mennen toumant ekstrawòdinè vin sou nou avèk desandan nou yo, menm gran toumant ki sevè e ki dire anpil, epidemi ki pa janm fini, e maladi ki rete mize. \v 60 \x + \xo 28:60 \xo*\xt Det 28:27\xt*\x*Li va fè retounen sou nou tout maladi Égypte ke nou pè yo e yo va kole sou nou. \v 61 Osi, tout kalite maladi ak toumant ki pa menm ekri nan liv lalwa sila a, SENYÈ a va mennen yo sou nou \x + \xo 28:61 \xo*\xt Det 4:25 \xt*\x*jiskaske nou fin detwi. \p \v 62 “Konsa, nou va rete piti an kantite, \x + \xo 28:62 \xo*\xt Det 1:10 \xt*\x*malgre avan nou te gran an kantite tankou zetwal syèl yo, akoz ke nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an. \p \v 63 “Li va rive ke menm jan SENYÈ a te \x + \xo 28:63 \xo*\xt Jr 32:41\xt*\x*fè kè kontan sou nou pou fè nou pwospere e miltipliye nou an; konsa, SENYÈ a va \x + \xo 28:63 \xo*\xt Pwov 1:26\xt*\x*fè kè kontan sou nou pou fè nou peri e detwi nou. Nou va chire sòti nan tè ke nou ap antre pou posede a. \p \v 64 “Anplis, SENYÈ a va fè nou \x + \xo 28:64 \xo*\xt Lev 26:33\xt*\x* gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen. \v 65 \x + \xo 28:65 \xo*\xt Lam 1:3\xt*\x*Pami nasyon sila yo, nou p ap twouve repo, ni p ap gen plas repo pou pla pye nou. Men la, \x + \xo 28:65 \xo*\xt Lev 26:36\xt*\x*SENYÈ a va bannou kè sote, zye ki febli ak nanm ki pèdi espwa. \p \v 66 “Konsa, lavi nou va pandye nan dout devan nou. Nou va gen gwo laperèz lannwit kon lajounen, ni nou p ap gen asirans lavi nou. \p \v 67 \x + \xo 28:67 \xo*\xt Job 7:4\xt*\x*“Nan maten, nou va di: ‘Pito lannwit te rive’, e nan aswè, nou va di: ‘Pito se te maten!’ akoz krent kè nou ki bannou laperèz e pou vizyon a zye nou ke yo va wè. \p \v 68 “SENYÈ a va mennen nou retounen an Égypte nan gwo bato, pa chemen ke m te pale nou an: ‘Nou p ap janm wè li ankò!’ Epi la, nou va ofri tèt nou menm pou vann a lènmi nou yo kòm esklav mal ak femèl, men p ap gen moun pou achte nou.” \c 29 \p \v 1 \x + \xo 29:1 \xo*\xt Lev 26:46\xt*\x*Sila yo se pawòl akò a ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fè avèk fis Israël yo nan peyi Moab la, anplis akò Li te fè avèk yo nan Horeb la. \v 2 Moïse te konvoke tout Israël e te di yo: \p “Nou te wè tout sa ke SENYÈ a te fè a Farawon nan peyi Égypte la e a tout sèvitè li yo avèk tout peyi li a; \v 3 \x + \xo 29:3 \xo*\xt Det 4:34\xt*\x*gwo eprèv ke zye nou te wè yo, gwo sign sa yo avèk mèvèy yo. \v 4 \x + \xo 29:4 \xo*\xt És 6:9-10\xt*\x*Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande. \v 5 Mwen te mennen nou pandan karantan nan dezè a. \x + \xo 29:5 \xo*\xt Det 8:5\xt*\x*Rad nou yo pa t epwize sou nou, ni sandal nou yo pa t epwize nan pye nou. \v 6 \x + \xo 29:6 \xo*\xt Det 6:3\xt*\x*Nou pa t manje pen, ni nou pa t bwè bwason ki fò pou nou ta konnen ke Mwen menm, se Senyè a, Bondye nou an. \v 7 \x + \xo 29:7 \xo*\xt Nonb 21:21-35\xt*\x*Lè nou te rive kote sa a, Sihon, wa Hesbon an avèk Og, wa Basan an, yo te sòti pou rankontre nou pou batay, men nou te bat yo. \v 8 Nou te pran peyi pa yo a pou \x + \xo 29:8 \xo*\xt Nonb 32:32-33\xt*\x*bay li kòm eritaj a Ribenit yo, a Gadit yo e a mwatye tribi a Manasit yo. \v 9 \x + \xo 29:9 \xo*\xt Det 4:6\xt*\x*Pou sa, kenbe pawòl akò sa yo pou fè yo, pou nou kapab reyisi nan tout sa ke nou eseye fè. \v 10 Nou vin kanpe la a jodi a, nou tout, devan SENYÈ, Bondye nou an: chèf nou yo, tribi nou yo, ansyen nou yo ak ofisye nou yo, tout mesye Israël yo, \v 11 timoun nou yo, madanm nou yo ak etranje ki demere nan kan nou yo, soti nan \x + \xo 29:11 \xo*\xt Jos 9:21-27\xt*\x*sila ki koupe bwa dife nou, jis rive nan sila ki rale dlo nou yo, \v 12 pou nou kapab antre an akò avèk SENYÈ a, Bondye nou an, pou sèman ke SENYÈ Bondye nou an, ap fè avèk ou jodi a, \v 13 pou Li kapab etabli nou jodi a kòm pèp Li, e pou \x + \xo 29:13 \xo*\xt Jen 17:7\xt*\x*Li kapab devni Bondye nou, jis jan ke Li te pale nou an ak jan Li te sèmante a zansèt nou yo, a Abraham, Isaac, e a Jacob la. \v 14 Alò, se pa avèk nou sèlman ke Mwen ap \x + \xo 29:14 \xo*\xt Jr 31:31\xt*\x*fè akò sila a avèk sèman sila a, \v 15 \x + \xo 29:15 \xo*\xt Trav 2:39\xt*\x*men avèk sila ki kanpe isit yo avèk nou jodi a nan prezans a SENYÈ a, Bondye nou an, e avèk sila ki pa la avèk nou jodi a \v 16 (paske nou konnen kijan nou te viv nan peyi Égypte la ak kijan nou te pase nan mitan nasyon kote nou te pase yo; \v 17 anplis, nou te wè abominasyon pa yo ak zidòl pa yo an \x + \xo 29:17 \xo*\xt Egz 20:23\xt*\x*bwa, wòch, ajan ak lò, ki te avèk yo); \v 18 \x + \xo 29:18 \xo*\xt Det 13:6\xt*\x*pou pa t ap genyen pami nou jodi a ni gason, ni fanm, ni fanmi, ni tribi, ki gen kè ki vire kite SENYÈ a, Bondye nou an, pou ale sèvi lòt dye a nasyon sa yo; pou pa vin gen pami nou yon rasin ki pote fwi pwazon anmè konsa. \v 19 Pou l ta rive ke lè li tande pawòl a madichon sila a, li vin ògeye, e di: ‘Mwen va gen lapè menmlè mwen mache avèk kè di, pou m detwi tè wouze ansanm ak tè sèk.’ \v 20 SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va \x + \xo 29:20 \xo*\xt Egz 32:33\xt*\x*efase non li anba syèl la. \v 21 Epi SENYÈ a va mete li apa pou mechanste l soti nan tout tribi Israël yo, selon tout madichon a akò \x + \xo 29:21 \xo*\xt Det 30:10\xt*\x*ki ekri nan liv lalwa sila a. \p \v 22 “Alò, jenerasyon k ap vini an—fis nou ki leve apre nou yo, avèk \x + \xo 29:22 \xo*\xt Jr 19:8\xt*\x*etranje a ki sòti nan yon peyi lwen—lè yo wè toumant a peyi ak maladi avèk sila SENYÈ a te aflije li yo, yo va di: \v 23 Tout teritwa li se souf avèk sèl, yon kote devaste kap brile nèt. Li pa simen menm, ni pwodwi anyen, li san zèb grandi ladann, tankou boulvèsman Sodome nan avèk Gomorrhe a. Li tankou Adma avèk Tseboïm ke SENYÈ a te boulvèse nan chalè Li avèk kòlè Li. \v 24 Tout nasyon yo va di: \x + \xo 29:24 \xo*\xt I Wa 9:8\xt*\x*‘Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a? Poukisa gwo kòlè sila a?’ \p \v 25 “Epi yo va reponn: \x + \xo 29:25 \xo*\xt II Wa 17:9-23\xt*\x*‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a te fè avèk yo, lè Li te mennen yo sòti nan peyi Égypte la.’ \v 26 Yo te sèvi lòt dye yo e yo te adore yo, dye ke yo pa t konnen e ke Li pa t janm te ba yo. \v 27 Pou sa, kòlè SENYÈ a te brile kont peyi a, \x + \xo 29:27 \xo*\xt Dan 9:11\xt*\x*pou mennen sou li tout madichon ki ekri nan liv sa a. \v 28 \x + \xo 29:28 \xo*\xt II Kwo 7:20\xt*\x*SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.” \p \v 29 \x + \xo 29:29 \xo*\xt Trav 1:7\xt*\x*Bagay sekrè yo apatyen a SENYÈ a, Bondye nou an. Men \x + \xo 29:29 \xo*\xt Jn 5:39\xt*\x*bagay ki revele yo se pou nou menm avèk fis nou yo jis pou tout tan, pou nou kapab obsève tout pawòl lalwa sila yo. \c 30 \p \v 1 “Konsa li va ye lè tout bagay sa yo fin vini sou nou, \x + \xo 30:1 \xo*\xt Det 30:15-19\xt*\x*benediksyon an avèk madichon an ke mwen te mete devan nou pou nou sonje yo \x + \xo 30:1 \xo*\xt Lev 26:40-45\xt*\x*nan tout nasyon kote SENYÈ a va egzile nou yo, \v 2 epi ou retounen kote SENYÈ Bondye ou, pou obeyi vwa Li ak tout ke e tout nanm ou, selon tout sa ke M kòmande ou jodi a, ou menm anplis ak fis ou yo. \v 3 Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, va \x + \xo 30:3 \xo*\xt Jen 28:15\xt*\x*restore nou apre kaptivite sila a e Li va vin gen konpasyon sou nou. Li \x + \xo 30:3 \xo*\xt Sòm 147:2\xt*\x*va ranmase nou ankò sòti nan tout pèp kote SENYÈ a, Bondye nou an, te gaye nou yo. \v 4 Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, \x + \xo 30:4 \xo*\xt Né 1:9\xt*\x*soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen. \v 5 SENYÈ a, Bondye nou an, va mennen nou antre nan peyi ke zansèt nou yo te posede a. Nou va posede li, epi Li va fè nou pwospere e vin \x + \xo 30:5 \xo*\xt Det 7:13\xt*\x*miltipliye plis ke zansèt nou yo. \v 6 Anplis, SENYÈ a, Bondye nou an, va sikonsi kè nou ak kè desandan nou yo, \x + \xo 30:6 \xo*\xt Det 6:5\xt*\x*pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, pou nou kapab viv. \v 7 \x + \xo 30:7 \xo*\xt Det 7:15\xt*\x*SENYÈ a, Bondye nou an, va aflije lènmi nou yo avèk tout madichon sa yo ansanm ak sila ki rayi nou yo, ki te pèsekite nou yo. \v 8 Konsa, nou va ankò obeyi SENYÈ a e obsève tout kòmandman li yo ke Mwen te kòmande nou jodi a. \v 9 Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske \x + \xo 30:9 \xo*\xt Jr 32:41\xt*\x*SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo, \v 10 si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, \x + \xo 30:10 \xo*\xt Det 4:29\xt*\x*avèk tout kè ak nanm nou. \p \v 11 “Paske kòmandman sila ke mwen bannou jodi a pa twò difisil pou nou, ni li pa twò wo pou nou pa rive kote l. \v 12 Li pa nan syèl la, pou nou ta di: \x + \xo 30:12 \xo*\xt Wo 10:6-8\xt*\x*‘Kilès ki va monte nan syèl la pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li?’ \v 13 Ni li pa lòtbò lanmè a, pou nou ta di: ‘Kilès k ap travèse lanmè a, pou pran li pou nou e fè nou tande li, pou nou kapab swiv li.’ \v 14 Men pawòl la toupre nou, nan bouch nou ak nan kè nou, pou nou kapab swiv li. \v 15 Nou wè, jodi a \x + \xo 30:15 \xo*\xt Det 11:26\xt*\x*Mwen te mete devan nou lavi avèk abondans, oswa lanmò avèk tout sa ki pa bon. \v 16 Nan tout sa mwen kòmande nou jodi a \x + \xo 30:16 \xo*\xt Det 6:5\xt*\x*pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan chemen Li yo, epi pou kenbe kòmandman Li yo avèk lwa Li yo ak jijman Li yo, pou nou kapab viv e miltipliye, e pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan peyi kote nou ap antre pou posede a. \v 17 Men si kè nou detounen e nou refize obeyi, men nou mennen akote pou adore lòt dye yo e sèvi yo, \v 18 Mwen deklare a nou jodi a ke \x + \xo 30:18 \xo*\xt Det 4:26\xt*\x*nou va vrèman peri. Nou p ap pwolonje jou nou yo nan peyi kote nou ap travèse Jourdain an pou antre posede a. \v 19 Mwen rele syèl la avèk tè a pou fè temwayaj kont nou jodi a, ke mwen te mete devan nou lavi avèk lanmò, \x + \xo 30:19 \xo*\xt Det 30:1\xt*\x*benediksyon avèk malediksyon. Pou sa, chwazi lavi pou nou kapab viv, nou menm avèk desandan nou yo, \v 20 \x + \xo 30:20 \xo*\xt Det 6:5\xt*\x*nan renmen SENYÈ a, Bondye nou an ak nan obeyisans a vwa Li ak \x + \xo 30:20 \xo*\xt Det 10:20\xt*\x*nan kenbe fèm a Li. Paske sa se lavi nou ak pwolongasyon a jou nou yo, pou nou kapab viv nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo; a Abraham, Isaac e a Jacob, pou bay yo a.” \c 31 \p \v 1 Konsa Moïse te ale e te pale pawòl sa yo a tout Israël. \v 2 Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. \x + \xo 31:2 \xo*\xt Nonb 27:17\xt*\x*Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’ \v 3 Se SENYÈ a, Bondye nou menm nan, ki va travèse devan nou. Li va detwi nasyon sila yo devan nou e nou va deplase yo. Se \x + \xo 31:3 \xo*\xt Nonb 27:18\xt*\x*Josué ki va travèse devan nou, jan SENYÈ a te pale a. \v 4 SENYÈ a va fè yo menm jan ke Li te fè a Sihon avèk Og, wa a Amoreyen yo, e a peyi pa yo a, lè Li te detwi yo a. \v 5 \x + \xo 31:5 \xo*\xt Det 7:2\xt*\x*SENYÈ a va livre yo devan nou, e nou va aji avèk yo an akò avèk kòmandman ke mwen menm te kòmande nou yo. \v 6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou. \v 7 Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj.\x + \xo 31:7 \xo*\xt Det 1:38\xt*\x* \v 8 \x + \xo 31:8 \xo*\xt Egz 13:21\xt*\x*Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.” \p \v 9 Konsa, Moïse te ekri lwa sa a, e li te livre bay li a prèt yo, fis a Lévi yo \x + \xo 31:9 \xo*\xt Nonb 4:5-15\xt*\x*ki te pote lach akò a SENYÈ a, e a tout ansyen an Israël yo. \v 10 Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon \x + \xo 31:10 \xo*\xt Det 15:1-2\xt*\x*ane remisyon dèt nan \x + \xo 31:10 \xo*\xt Lev 23:34\xt*\x*Fèt Tonèl Yo, \v 11 lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, \x + \xo 31:11 \xo*\xt Jos 8:34\xt*\x*nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l. \v 12 Rasanble pèp la, gason avèk fanm, ak pitit yo, etranje ki nan vil nou yo, pou yo ka tande \x + \xo 31:12 \xo*\xt Det 4:10\xt*\x*aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, epi fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo. \v 13 Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.” \p \v 14 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.” \v 15 \x + \xo 31:15 \xo*\xt Egz 33:9\xt*\x*SENYÈ a te vin parèt nan tant lan nan yon pilye nwaj e pilye nwaj la te kanpe nan pòtay tant lan. \v 16 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, \x + \xo 31:16 \xo*\xt Egz 33:9\xt*\x*pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a. \v 17 Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: \x + \xo 31:17 \xo*\xt Nonb 14:42\xt*\x*‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’ \v 18 Men anverite, Mwen va kache figi Mwen nan jou sa a akoz tout mechanste ke yo te fè, paske yo te vire vè lòt dye yo.” \v 19 “Koulye a, akoz sa, \x + \xo 31:19 \xo*\xt Det 31:22\xt*\x*ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo. \v 20 Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te \x + \xo 31:20 \xo*\xt Det 32:15-17\xt*\x*vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an. \v 21 Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske \x + \xo 31:21 \xo*\xt I Kwo 28:9\xt*\x*Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.” \p \v 22 \x + \xo 31:22 \xo*\xt Det 31:19\xt*\x*Konsa, Moïse te ekri chan sa a nan menm jou a e te montre fis Israël yo li. \v 23 Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: \x + \xo 31:23 \xo*\xt Jos 1:6\xt*\x*“Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi \x + \xo 31:23 \xo*\xt Egz 3:12\xt*\x*mwen va avèk ou.” \v 24 Li te vin rive ke lè Moïse te fin ekri pawòl a lwa sa yo nan yon liv soti nan kòmansman jiska lafen, \v 25 ke Moïse te kòmande Levit \x + \xo 31:25 \xo*\xt Det 31:9\xt*\x*ki te pote lach akò SENYÈ yo. Li te di: \v 26 “Pran liv lalwa a e mete li akote lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, pou li kapab rete la kòm yon temwen kont nou. \v 27 Paske mwen konnen \x + \xo 31:27 \xo*\xt Det 9:7\xt*\x*rebelyon nou ak kou rèd nou. Gade byen, pandan mwen toujou vivan avèk nou jodi a, nou te fè rebelyon kont SENYÈ a. Konbyen anplis, konsa, apre mwen fin mouri? \v 28 Rasanble pou mwen tout ansyen a tribi nou yo ak ofisye nou yo, pou mwen kapab pale pawòl sila yo pou yo tande e \x + \xo 31:28 \xo*\xt Det 4:26\xt*\x*rele sou syèl la avèk tè a pou temwaye kont yo. \v 29 Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va \x + \xo 31:29 \xo*\xt Jij 2:19\xt*\x*fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.” \v 30 Konsa, Moïse te resite pawòl chanson sa a soti nan kòmansman jiska lafen nan zòrèy tout asanble Israël la. \c 32 \q1 \v 1 \x + \xo 32:1 \xo*\xt Det 4:26\xt*\x*“Prete zòrèy nou, O syèl yo; \q1 kite mwen pale. \q1 Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo. \q1 \v 2 Kite \x + \xo 32:2 \xo*\xt És 55:10-11\xt*\x*enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, \q1 pawòl mwen yo poze tankou lawouze, \q1 tankou ti gout sou zèb fre, \q1 ak lapli k ap farinen sou zèb. \q1 \v 3 Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a. \q1 Bay \x + \xo 32:3 \xo*\xt Det 3:24\xt*\x*glwa a Bondye nou an! \q1 \v 4 Wòch la! Zèv Li yo pafè, \q1 paske \x + \xo 32:4 \xo*\xt Jen 18:25\xt*\x* tout chemen li yo jis. \q1 \x + \xo 32:4 \xo*\xt Det 7:9\xt*\x*Yon Bondye fidèl e san enjistis, \q1 dwat e jis ke Li ye. \q1 \v 5 Yo te fè zak konwonpi anvè Li. \q1 Yo pa pitit li akoz defo yo. \q1 \x + \xo 32:5 \xo*\xt Mat 17:17\xt*\x*Yon jenerasyon pèvèti e kwochi, \q1 \v 6 se konsa nou \x + \xo 32:6 \xo*\xt Sòm 116:12\xt*\x*rekonpanse SENYÈ a, \q1 O \x + \xo 32:6 \xo*\xt Det 32:28\xt*\x*pèp ki san konprann e ki san sajès? \q1 Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, \q1 ki te fè nou e ki te fòme nou? \q1 \v 7 Sonje jou tan pase yo, \q1 konsidere lane a tout jenerasyon yo. \q1 \x + \xo 32:7 \xo*\xt Egz 12:26\xt*\x*Mande papa nou e li va fè nou konnen, \q1 ansyen nou yo e yo va di nou. \q1 \v 8 Lè Pi Wo a \x + \xo 32:8 \xo*\xt Trav 17:26\xt*\x*te bay nasyon yo eritaj yo, \q1 lè Li te separe fis a lòm yo, \q1 Li te etabli lizyè a tout pèp la \q1 Selon kantite a fis Israël yo. \q1 \v 9 Paske \x + \xo 32:9 \xo*\xt I Sam 10:1\xt*\x* pòsyon SENYÈ a se pèp Li a. \q1 Jacob se don eritaj Li a. \q1 \v 10 Li te twouve li nan yon peyi dezè, \q1 \x + \xo 32:10 \xo*\xt Sòm 17:8\xt*\x*nan savann dezole kote van soufle a. \q1 Li te antoure li, Li te pran swen li, \q1 Li te pwoteje li tankou \x + \xo 32:10 \xo*\xt Sòm 18:10-18\xt*\x*de zye nan tèt Li. \q1 \v 11 \x + \xo 32:11 \xo*\xt Sòm 18:10-18\xt*\x*Tankou yon èg ki anvayi nich li, \q1 ki pann sou jenn pitit li yo, \q1 Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo. \q1 Li te pote yo anwo plim li. \q1 \v 12 SENYÈ a sèl te gide li. \q1 Li \x + \xo 32:12 \xo*\xt Det 32:39\xt*\x*pa t gen dye etranje ki te avè l. \q1 \v 13 \x + \xo 32:13 \xo*\xt És 58:14\xt*\x*Li te fè li monte sou wo plas tè yo. \q1 Yo te manje pwodwi a chan yo. \q1 Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la, \q1 ak lwil nan wòch ki te di: \q1 \v 14 Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo, \q1 avèk grès jenn ti mouton yo, \q1 Belye a ras Basan yo ak kabrit, \q1 Avèk ble ki pi fen yo. \q1 Nou te bwè \x + \xo 32:14 \xo*\xt Jen 49:11\xt*\x*san rezen an, \q1 diven an menm nou te bwe. \q1 \v 15 Men Israël te vin gra e te voye pye. \q1 Ou vin gra, gwo e swa. \q1 \x + \xo 32:15 \xo*\xt Sòm 78:58\xt*\x*Li te abandone Bondye ki te fè l la, \q1 e li te meprize \x + \xo 32:15 \xo*\xt Det 32:4\xt*\x*Wòch a delivrans li an. \q1 \v 16 \x + \xo 32:16 \xo*\xt Sòm 78:58\xt*\x*Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo. \q1 Avèk \x + \xo 32:16 \xo*\xt Sòm 106:29\xt*\x*bagay abominab, \q1 yo te pwovoke Li a lakòlè. \q1 \v 17 Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo, \q1 a dye ke yo pa t janm konnen, \q1 dye nèf ki fenk parèt, \q1 ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.\x + \xo 32:17 \xo*\xt Det 28:64; Jij 5:8\xt*\x* \q1 \v 18 Nou te neglije Wòch ki te fè nou an, \q1 e nou \x + \xo 32:18 \xo*\xt Sòm 106:21\xt*\x*te bliye Bondye ki te bannou nesans lan. \q1 \v 19 \x + \xo 32:19 \xo*\xt Jr 44:21-23\xt*\x*SENYÈ a te wè sa e te meprize yo \q1 akoz pwovokasyon fis ak fi Li yo. \q1 \v 20 “Alò, \x + \xo 32:20 \xo*\xt Det 9:23\xt*\x*Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo. \q1 Mwen va wè kijan yo fini; \q1 Paske yo se yon jenerasyon pèvès, \q1 fis ki pa fidèl. \q1 \v 21 ‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo. \q1 Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo. \q1 \x + \xo 32:21 \xo*\xt Wo 10:19\xt*\x*Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo. \q1 Mwen va pwovoke yo a lakòlè \q1 avèk yon nasyon ki san konprann. \q1 \v 22 Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, \q1 ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. \q1 Li \x + \xo 32:22 \xo*\xt Lev 26:20\xt*\x* manje latè a avèk tout don li yo, \q1 e limen dife a nan fondasyon mòn yo. \b \q1 \v 23 Mwen \x + \xo 32:23 \xo*\xt Det 29:21\xt*\x* va ogmante gwo pil malè sou yo. \q1 Mwen \x + \xo 32:23 \xo*\xt Sòm 18:14\xt*\x*va depanse flèch Mwen sou yo. \q1 \v 24 \x + \xo 32:24 \xo*\xt Det 28:22-48\xt*\x*Mwen va epwize yo ak gwo grangou, \q1 e manje yo ak chalè ki brile, \q1 e avèk destriksyon anmè. \q1 Mwen va voye pami yo bèt voras, \q1 avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant. \q1 \v 25 Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo, \q1 epi pa anndan, gwo laperèz, \q1 ni sou jennonm ni vyèj la, \q1 tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.\x + \xo 32:25 \xo*\xt Lam 1:20; II Kwo 36:17\xt*\x* \q1 \v 26 Mwen te prèt pou di: “M ap \x + \xo 32:26 \xo*\xt Det 4:27\xt*\x*koupe yo an mòso, \q1 M ap rache memwa yo soti de lòm, \q1 \v 27 si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, \q1 ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: \q1 “Se men nou ki gen viktwa a. \q1 Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’ \b \q1 \v 28 Paske \x + \xo 32:28 \xo*\xt Det 32:6\xt*\x*yo se yon nasyon ki manke bon konsèy. \q1 Yo san konprann. \q1 \v 29 Pito \x + \xo 32:29 \xo*\xt Det 5:29\xt*\x*ke yo te saj, ke yo te konprann sa, \q1 ke \x + \xo 32:29 \xo*\xt Det 31:29\xt*\x*yo te konprann avni yo! \q1 \v 30 Kijan \x + \xo 32:30 \xo*\xt Lev 26:7-8\xt*\x*yon moun ta kapab chase yon milye, \q1 pou de sèl grenn fè di mil sove ale, \q1 sof ke Wòch pa yo a te vann yo, \q1 sof ke SENYÈ a te livre yo bay. \q1 \v 31 Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an. \q1 Menm lènmi nou yo kapab jije sa. \q1 \v 32 Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome, \q1 ak chan yo nan Gomorrhe. \q1 Rezen pa yo se rezen \x + \xo 32:32 \xo*\xt Det 29:18\xt*\x*pwazon. \q1 Grap yo anmè. \q1 \v 33 Diven pa yo se pwazon vipè, \q1 pwazon mòtèl koulèv kobra. \b \q1 \v 34 Èske \x + \xo 32:34 \xo*\xt Job 14:17\xt*\x*M pa mete sa nan depo, \q1 byen sele nan trezò Mwen? \q1 \v 35 “‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, \q1 nan lè pye yo va glise, \q1 Paske jou malè a yo toupre, \q1 E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’ \b \q1 \v 36 Paske \x + \xo 32:36 \xo*\xt Sòm 135:14\xt*\x*SENYÈ a va jije pèp Li a. \q1 Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo, \q1 lè Li wè fòs yo fin disparèt, \q1 ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib. \q1 \v 37 Li va di: \x + \xo 32:37 \xo*\xt Jij 10:14\xt*\x*‘Kote dye yo ye? \q1 Wòch kote yo te pran refij la? \q1 \v 38 Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a, \q1 e ki te bwè diven a bwason pa yo a? \q1 Kite \x + \xo 32:38 \xo*\xt Jr 11:12\xt*\x*yo vin bannou sekou! \q1 Kite yo fè kote pou nou kache! \b \q1 \v 39 Vin wè ke Mwen menm se Li. \q1 \x + \xo 32:39 \xo*\xt Det 32:12\xt*\x*Nanpwen dye sof ke Mwen. \q1 Se Mwen ki mete a lanmò, \q1 e se Mwen ki bay lavi. \q1 Se Mwen ki te fè blese \q1 e se Mwen ki fè gerizon. \q1 Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M. \q1 \v 40 Anverite, \x + \xo 32:40 \xo*\xt És 20:5-6\xt*\x* Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di: \q1 Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an, \q1 \v 41 si \x + \xo 32:41 \xo*\xt És 34:6-8\xt*\x*Mwen file nepe briyan Mwen an, \q1 se men M ki kenbe lajistis. \q1 \x + \xo 32:41 \xo*\xt Jr 50:28-32\xt*\x*Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo, \q1 epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo. \q1 \v 42 M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, \q1 e nepe Mwen va devore chè avèk san \q1 a mò yo ak kaptif yo, \q1 k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’ \b \q1 \v 43 Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a, \q1 paske \x + \xo 32:43 \xo*\xt II Wa 9:7\xt*\x*L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo. \q1 Li va rann vanjans sou advèsè Li yo, \q1 e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.” \p \v 44 Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk \x + \xo 32:44 \xo*\xt Nonb 13:8-16\xt*\x*Josué, fis a Nun nan. \v 45 Lè Moïse te fin pale tout pawòl sila yo a tout Israël, \v 46 li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande \x + \xo 32:46 \xo*\xt Det 4:9\xt*\x*fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo. \v 47 Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, \x + \xo 32:47 \xo*\xt Det 8:3\xt*\x*se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a. \p \v 48 \x + \xo 32:48 \xo*\xt Nonb 27:12\xt*\x*SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di: \v 49 “Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an. \v 50 Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin \x + \xo 32:50 \xo*\xt Jen 25:8\xt*\x*ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a; \v 51 \x + \xo 32:51 \xo*\xt Nonb 20:12\xt*\x*akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo. \v 52 \x + \xo 32:52 \xo*\xt Det 34:1-3\xt*\x*Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.” \c 33 \p \v 1 Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, \x + \xo 33:1 \xo*\xt Jos 14:6\xt*\x*nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li. \v 2 Li te di: \q1 \x + \xo 33:2 \xo*\xt Egz 19:18-20\xt*\x*“SENYÈ a te sòti nan Sinai, \q1 e te parèt sou yo soti nan Séir. \q1 Li te briye soti nan Mòn Paran. \q1 Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. \q1 Nan men dwat Li, te gen yon lalwa \q1 byen cho ki te pou yo. \q1 \v 3 Anverite, Li renmen pèp la. \q1 \x + \xo 33:3 \xo*\xt Det 7:6\xt*\x*Tout sen li yo nan men Ou. \q1 Sou pye Ou, yo tout pwostène. \q1 Yo te resevwa pawòl Ou yo. \q1 \v 4 Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa, \q1 \x + \xo 33:4 \xo*\xt Sòm 119:111\xt*\x*eritaj pou asanble Jacob la. \q1 \v 5 \x + \xo 33:5 \xo*\xt Nonb 23:21\xt*\x*Epi Li te wa an Israël \q1 lè tèt a pèp la te rasanble \q1 tout tribi a Israël yo ansanm. \q1 \v 6 \x + \xo 33:6 \xo*\xt Jen 49:3-4\xt*\x*Ke Ruben viv e pa mouri; \q1 ni ke moun li yo pa manke.” \q1 \v 7 \x + \xo 33:7 \xo*\xt Jen 49:8-12\xt*\x*Sa se pou Juda: Li te di, \q1 “Tande O Israël vwa Juda, \q1 e mennen li vè pèp li. \q1 Avèk men li, li te lite pou kont li. \q1 Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.” \q1 \v 8 A Lévi, li di: \q1 \x + \xo 33:8 \xo*\xt Egz 28:30\xt*\x*Thumim nan avèk Urim nan \q1 apatyen a sèvitè fidèl Ou, \q1 ou te pase li a leprèv nan Massa, \q1 avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo. \q1 \v 9 Li te di de papa l avèk manman l: \q1 “Mwen pa t wè li.” \q1 Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, \q1 ni fis li yo \x + \xo 33:9 \xo*\xt Mat 2:5\xt*\x*pwiske yo te swiv pawòl Ou \q1 e te kenbe akò Ou. \q1 \v 10 \x + \xo 33:10 \xo*\xt Lev 10:11\xt*\x*Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob, \q1 e lwa Ou a Israël. \q1 Yo va mete lansan devan Ou, \q1 ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou. \q1 \v 11 O SENYÈ, beni abilite li yo, \q1 e beni zèv men li yo. \q1 Kase ren a sila ki leve kont li yo, \q1 e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò. \q1 \v 12 A Benjamin, li te di: \q1 \x + \xo 33:12 \xo*\xt Det 4:37\xt*\x*“Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, \q1 paske Li pwoteje li tout lajounen. \q1 Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.” \q1 \v 13 A Joseph, li te di: \q1 \x + \xo 33:13 \xo*\xt Jen 27:27-28\xt*\x*“Peyi li se beni pa SENYÈ a \q1 ak lawouze presye ki soti nan syèl la, \q1 e avèk dlo pwofon ki anba, \q1 \v 14 pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan, \q1 \v 15 pou pi bèl bagay a \x + \xo 33:15 \xo*\xt Hab 3:6\xt*\x*mòn ansyen yo, \q1 pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt, \q1 \v 16 pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l, \q1 ak favè \x + \xo 33:16 \xo*\xt Egz 2:2-6\xt*\x*a Sila ki te demere nan touf bwa brile a. \q1 Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la, \q1 sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo. \q1 \v 17 Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li. \q1 Kòn li yo se kòn a \x + \xo 33:17 \xo*\xt Nonb 23:22\xt*\x*bèf mawon. \q1 Avèk yo, li va bourade pèp yo, \q1 jis a sila a ki nan pwent latè yo. \q1 Sila yo se di-mil a Ephraïm yo. \q1 Yo se milye yo a Manassé.” \q1 \v 18 De Zabulon, li te di: \q1 \x + \xo 33:18 \xo*\xt Jen 49:13-15\xt*\x*“Rejwi, Zabulon lè nou soti, \q1 ak Issacar nan tant nou yo. \q1 \v 19 Yo va rele nasyon yo vini nan mòn la. \q1 La, yo va ofri sakrifis ladwati, \q1 paske yo va rale \x + \xo 33:19 \xo*\xt És 60:5\xt*\x*abondans lanmè \q1 ak trezò ki kache nan sab yo.” \q1 \v 20 De Gad, li te di: \q1 “Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo; \q1 li kouche ba \x + \xo 33:20 \xo*\xt Jen 49:9\xt*\x*tankou yon manman lyon, \q1 pou l dechire bra a oswa tèt la. \q1 \v 21 Premye pati li fè pou kont li, \q1 paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève. \q1 Epi li te vini avèk chèf a pèp yo. \q1 \x + \xo 33:21 \xo*\xt Jos 22:1-3\xt*\x*Li te egzekite jistis a SENYÈ, \q1 òdonans Li yo avèk Israël.” \q1 \v 22 \x + \xo 33:22 \xo*\xt Jen 49:16\xt*\x*De Dan, li te di: \q1 “Dan se pòtre a yon lyon \q1 ki vòltije sòti nan Basan.” \q1 \v 23 De Nephtali, li te di: \q1 “\x + \xo 33:23 \xo*\xt Jen 49:21\xt*\x*O Nephtali, satisfè avèk favè, \q1 ranpli avèk benediksyon SENYÈ a, \q1 Kon eritaj, vin pran pati lwes la, ak sid la.” \q1 \v 24 \x + \xo 33:24 \xo*\xt Jen 49:20\xt*\x*De Aser, li te di: \q1 “Pi beni pase fis yo se Aser. \q1 Ke li kapab beni pa frè li yo. \q1 Ke pye li kapab vin fonse nan lwil. \q1 \v 25 Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz. \q1 \x + \xo 33:25 \xo*\xt Det 4:40\xt*\x*Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs. \b \q1 \v 26 Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, \q1 \x + \xo 33:26 \xo*\xt Det 10:14\xt*\x*ki monte sou syèl yo pou rive ede nou, \q1 e ki travèse syèl yo nan majeste Li. \q1 \v 27 \x + \xo 33:27 \xo*\xt Sòm 90:1-2\xt*\x*Bondye etènèl la se kote pou nou kache. \q1 Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan. \q1 Li te chase lènmi an devan nou; \q1 Li te di: ‘Detwi!’ \q1 \v 28 \x + \xo 33:28 \xo*\xt Det 33:12\xt*\x*Konsa, Israël viv ansekirite, \q1 sous Jacob ki mete apa a, \q1 \x + \xo 33:28 \xo*\xt Jen 27:28-37\xt*\x*nan yon peyi sereyal avèk diven nèf. \q1 Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a. \q1 \v 29 Beni ou ye, O Israël! \q1 \x + \xo 33:29 \xo*\xt Det 4:32\xt*\x*Kilès ki sanble avèk ou, \q1 yon pèp delivre pa SENYÈ a, \q1 ki se pwotèj k ap ba ou sekou a \q1 ki se nepe a majeste ou? \q1 Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, \q1 e ou va foule wo plas yo.” \c 34 \p \v 1 \x + \xo 34:1 \xo*\xt Det 32:49\xt*\x*Alò, Moïse te monte soti plèn Moab pou rive nan Mòn Nebo, jis rive nan pwent Pisga ki anfas Jéricho a. Epi SENYÈ a te montre li tout peyi Galaad la jis rive Dan, \v 2 epi tout Nephtali avèk peyi Ephraïm ak Manassé ak tout peyi Juda jiska \x + \xo 34:2 \xo*\xt Det 11:24\xt*\x*lanmè lwès la, \v 3 epi Negev avèk plèn nan vale a Jéricho, \x + \xo 34:3 \xo*\xt Jij 1:16\xt*\x*lavil pye palmis yo, jis rive Tsoar. \p \v 4 Alò, SENYÈ a te di li: “Sa se peyi a ke \x + \xo 34:4 \xo*\xt Jen 12:7\xt*\x*Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen te di: ‘Mwen va bay li a desandan nou yo’. Mwen te kite ou wè li avèk zye ou, men ou p ap rive ale la.” \p \v 5 Konsa, Moïse, sèvitè Bondye a, \x + \xo 34:5 \xo*\xt Det 32:50\xt*\x*te mouri la nan peyi Moab, selon pawòl a SENYÈ a. \v 6 Li te antere li nan vale a nan peyi Moab, \x + \xo 34:6 \xo*\xt Det 3:29\xt*\x*anfas Beth-Peor, men okenn moun pa konnen plas antèman li, jis jodi a. \p \v 7 Moïse te nan laj san-ventan lè li te mouri an. \x + \xo 34:7 \xo*\xt Jen 27:1\xt*\x*Zye li pa t fèb, ni fòs li pa t vin febli. \v 8 Konsa, fis Israël yo te kriye pou Moïse nan plèn Moab yo pandan trant jou jis lè jou kriye avèk doulè pou Moïse te vin fini. \p \v 9 Alò, Josué, fis a Nun nan, te \x + \xo 34:9 \xo*\xt Nonb 27:18-23\xt*\x*ranpli avèk lespri sajès la, paske Moïse te poze men l sou li. Pou sa, fis Israël yo te koute li e te fè jan SENYÈ a te kòmande Moïse la. \p \v 10 Depi nan tan sa a, \x + \xo 34:10 \xo*\xt 18:15-18\xt*\x*okenn lòt pwofèt pa t vin leve an Israël tankou Moïse, ke \x + \xo 34:10 \xo*\xt Egz 33:11\xt*\x*SENYÈ a te konnen fasafas, \v 11 pou tout sign avèk mèvèy ke SENYÈ a te voye li fè nan peyi Égypte la kont Farawon, tout sèvitè li yo avèk tout teritwa li a, \v 12 epi pou tout gran pouvwa ak tout gran laperèz ke Moïse te montre devan zye a tout Israël.