\id DAN \ide UTF-8 \h Daniel \toc1 DANIEL \toc2 Daniel \toc3 Dan \mt1 DANIEL \c 1 \p \v 1 Nan twazyèm ane a règn \x + \xo 1:1 \xo*\xt II Wa 24:1\xt*\x*Jojakim, wa Juda a; Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te rive Jérusalem e te fè syèj sou li. \v 2 Senyè a te livre Jojakim, wa Juda a, nan men li, ansanm ak kèk nan \x + \xo 1:2 \xo*\xt II Kwo 36:7\xt*\x*veso lakay Bondye yo. Epi Nebucadnetsar te pote yo nan peyi Schinear, kote lakay dye pa li a, e li te mennen veso yo antre nan trezò a dye li a. \p \v 3 Alò, wa a te pase lòd a Aschpenaz, chèf sou ofisye pa l yo, pou mennen kèk nan fis Israël yo, ansanm ak kèk nan \x + \xo 1:3 \xo*\xt II Wa 24:15\xt*\x*fanmi wayal la ak kèk nan prens yo: \v 4 jennonm ki te san defo, ki te bo gason, ki te montre yo entèlijan nan tout kalite sajès, beni avèk bon konprann e ak kapasite pou disène, e ki te gen kapasite pou fè sèvis nan palè a wa a; pou l ta ka enstwi yo nan lèt ak langaj Kaldeyen yo. \v 5 Wa a te chwazi pou yo yon pòsyon manje ki te sòti nan meyè manje a wa a ak nan diven ke li te konn bwè. Anplis, li te fè lòd pou yo ta kapab fè enstriksyon lekòl pandan twazan, epi nan fen a twazan yo, yo te dwe antre nan sèvis pèsonèl a wa a. \p \v 6 Alò, pami yo, soti nan fis a Juda yo, se te \x + \xo 1:6 \xo*\xt Éz 14:14-20\xt*\x*Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. \v 7 Answit, chèf nan linik yo te bay nouvo non a yo menm. Pou Daniel, li te bay non Beltschatsar, Hanania non a Schadrac, Mischaël non a Méschac e Azaria, non a Abed-Nego. \p \v 8 Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t \x + \xo 1:8 \xo*\xt Lev 11:47\xt*\x*souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li. \v 9 Alò, Bondye te bay Daniel \x + \xo 1:9 \xo*\xt Jen 39:21\xt*\x*favè ak gras devan zye a chèf ofisye yo. \v 10 Epi chèf nan linik yo te di a Daniel: “Mwen gen krent mèt mwen, Wa a, ki te bay lòd konsènan manje nou ak bwason nou. Paske poukisa li ta dwe wè figi nou nan yon eta pi mal ke lòt jennonm ki gen menm laj avèk nou yo? Alò, nou ta fè mwen peye pri tèt mwen bay wa a.” \p \v 11 Men Daniel te di a sipèvizè ke chèf nan linik yo te chwazi sou Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria a, \v 12 “Souple, teste sèvitè ou yo pandan di jou. Kite nou \x + \xo 1:12 \xo*\xt Dan 1:16\xt*\x*resevwa sèlman kèk legim pou manje ak dlo pou bwè. \v 13 Epi konsa, kite aparans nou vin konpare ak aparans a jennonm k ap manje meyè manje a wa a; epi aji ak sèvitè ou yo selon sa ou wè a.” \v 14 Konsa, li te koute yo nan bagay sa a, e te teste yo pandan di jou. \p \v 15 \x + \xo 1:15 \xo*\xt Egz 23:25\xt*\x*Nan fen di jou yo, aparans yo te parèt pi bon, e yo te angrese plis ke tout jennonm ki t ap manje meyè manje a wa a. \v 16 Akoz sa, sipèvizè a te kontinye retire meyè manje sa yo, ak diven yo te dwe pou bwè, e te kontinye \x + \xo 1:16 \xo*\xt Dan 1:12\xt*\x*bay yo legim yo. \p \v 17 Konsènan kat jennonm sila yo \x + \xo 1:17 \xo*\xt I Wa 3:12-28\xt*\x*Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv. \p \v 18 Konsa, nan fen jou wa a te etabli pou prezante yo a, linik a wa a te fè yo parèt devan Nebucadnetsar. \v 19 Wa a te pale ak yo e pami yo tout, pa t gen youn ki te konpare ak Daniel, Hanania, Mischaël, ak Azaria. Akoz sa, yo te \x + \xo 1:19 \xo*\xt Jen 41:46\xt*\x*antre nan sèvis pèsonèl a wa a. \v 20 Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo \x + \xo 1:20 \xo*\xt I Wa 4:30-31\xt*\x*dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a. \p \v 21 Epi Daniel te kontinye jis rive nan \x + \xo 1:21 \xo*\xt Dan 6:28\xt*\x*premye ane Cyrus, wa a. \c 2 \p \v 1 Alò, nan dezyèm ane règn Nebucadnetsar a, Nebucadnetsar te \x + \xo 2:1 \xo*\xt Jen 40:5-8\xt*\x*fè rèv yo. Epi lespri li te twouble, e li pa t ka dòmi. \v 2 Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout \x + \xo 2:2 \xo*\xt Jen 41:8\xt*\x*majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a. \v 3 Wa a te di yo: “Mwen \x + \xo 2:3 \xo*\xt Jen 40:8\xt*\x*te fè yon rèv e lespri m vin twouble pou l ta konprann rèv la.” \p \v 4 Kaldeyen yo te pale ak wa a an Arameyen: “O wa, viv jis pou tout tan! Pale rèv la a sèvitè ou yo e nou va deklare entèpretasyon li.” \p \v 5 Wa a te reponn a Kaldeyen yo: “Lòd mwen an fin etabli: si nou pa fè m konnen rèv la ak entèpretasyon li a, nou va vin \x + \xo 2:5 \xo*\xt Éz 6:11\xt*\x*chire mòso an mòso, e lakay nou va vin yon pil ranblè. \v 6 Men si nou deklare rèv la ak entèpretasyon li, nou va resevwa nan men m, \x + \xo 2:6 \xo*\xt Dan 2:48\xt*\x*kado, rekonpans ak gwo lonè. Pou sa, fè m deklarasyon rèv la ak entèpretasyon li.” \p \v 7 Yo te reponn yon dezyèm fwa. Yo te di: “Kite wa a \x + \xo 2:7 \xo*\xt Dan 2:4\xt*\x*eksplike rèv la a sèvitè li yo e nou va deklare entèpretasyon li.” \p \v 8 Wa a te reponn: “Mwen konnen, anverite, ke nou ap jwe pou tan, paske nou te wè ke lòd mwen an gentan fin byen etabli. \v 9 Men si nou pa fè m konnen rèv la, ap gen \x + \xo 2:9 \xo*\xt Est 4:11\xt*\x*yon sèl dekrè pou nou. Paske nou te vin antann nou, youn ak lòt pou fè manti ak pale pawòl konwonpi devan m, jiskaske bagay la vin chanje. Pou sa a, fè m konnen rèv la pou m ka konnen ke nou kapab deklare entèpretasyon li ban mwen.” \p \v 10 Kaldeyen yo te reponn wa a, e te di: “Nanpwen yon nonm sou latè ki kapab deklare bagay la bay wa a, otan ke okenn gwo wa oswa chèf pa t janm mande okenn bagay konsa a okenn \x + \xo 2:10 \xo*\xt Dan 2:2-27\xt*\x*majisyen, mèt wanga, oswa Kaldeyen. \v 11 Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jen 41:39\xt*\x*dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.” \p \v 12 Akoz sa, wa a te vin \x + \xo 2:12 \xo*\xt Sòm 76:10\xt*\x*ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo. \v 13 Konsa, dekrè a te pibliye ke mesye saj yo ta dwe touye. Konsa, yo t ap chache \x + \xo 2:13 \xo*\xt Dan 1:19-20\xt*\x*Daniel ak zanmi li yo pou touye yo. \p \v 14 Men Daniel te reponn ak sajès e ak bon konprann a \x + \xo 2:14 \xo*\xt Dan 2:24\xt*\x*Ajoc, chèf kò gad a wa a, ki te ale deyò pou touye mesye saj a Babylone yo. \v 15 Li te di a Ajoc, chèf pou wa a: “Pou ki rezon dekrè a wa a prese konsa?” Epi Ajoc te pale Daniel tout bagay la. \v 16 Konsa, Daniel te antre anndan e te fè yon demann a wa a pou li ta bay li tan, pou l ta ka deklare entèpretasyon an bay a wa a. \p \v 17 Epi Daniel te ale lakay li. Li te fè zanmi li yo \x + \xo 2:17 \xo*\xt Dan 1:6\xt*\x*Hanania, Mischaël, ak Azaria okouran konsènan bagay sila a, \v 18 pou yo ta kapab \x + \xo 2:18 \xo*\xt Est 4:15\xt*\x*fè yon demann mizerikòd a Bondye syèl la konsènan mistè sa a, pou Daniel ak zanmi li yo pa ta vin detwi ak lòt nan mesye saj a Babylone yo. \v 19 Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon \x + \xo 2:19 \xo*\xt Nonb 12:6\xt*\x*vizyon lanwit la. \v 20 Daniel te di: \q1 “Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan, \q1 paske \x + \xo 2:20 \xo*\xt I Kwo 29:11-12\xt*\x*sajès ak pouvwa se pou Li. \q1 \v 21 Se Li menm ki \x + \xo 2:21 \xo*\xt Sòm 31:15\xt*\x*chanje tan ak sikonstans yo. \q1 Li retire wa e Li etabli wa. \q1 Li bay sajès a moun saj yo, \q1 e konesans a moun ki gen bon konprann. \q1 \v 22 Se Li menm ki \x + \xo 2:22 \xo*\xt Job 12:22\xt*\x*revele sekre pwofond yo. \q1 Li fè parèt sa ki nan tenèb yo, \q1 e se limyè a ki rete avè L. \q1 \v 23 A Ou menm, O \x + \xo 2:23 \xo*\xt Jen 31:42\xt*\x*Bondye de papa zansèt mwen yo, \q1 mwen remèsi Ou. \q1 Mwen bay Ou lwanj, \q1 paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa. \q1 Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa \q1 ke nou te mande Ou a, \q1 Paske Ou te revele a nou menm pwoblem a wa a.” \p \v 24 Akoz sa, Daniel te antre kote Ajoc, ke wa a te chwazi pou detwi mesye saj a Babylone yo. Li te antre e te pale avè l konsa: \x + \xo 2:24 \xo*\xt Dan 2:12-13\xt*\x* “Pa detwi mesye saj a Babylone yo! Pran m antre nan prezans a wa a, e mwen va deklare entèpretasyon an bay wa a.” \p \v 25 Konsa, Ajoc te \x + \xo 2:25 \xo*\xt Dan 1:7\xt*\x*mennen Daniel byen vit devan prezans a wa a, e li te pale avèk li konsa: “Mwen te twouve yon nonm pami egzile Juda yo ki kapab fè wa a konnen entèpretasyon an.” \p \v 26 Wa a te di a Daniel, ki te rele \x + \xo 2:26 \xo*\xt Jen 46:8-27\xt*\x*Beltschatsar: “Èske ou kapab fè m konnen rèv ke m te fè a, ak entèpretasyon li an?” \p \v 27 Daniel te reponn devan wa a. Li te di: \x + \xo 2:27 \xo*\xt Dan 2:2-11\xt*\x*“Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a. \v 28 Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan \x + \xo 2:28 \xo*\xt Jen 49:1\xt*\x*dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa: \p \v 29 “Konsènan ou menm, o wa, pandan sou kabann ou an, refleksyon ou te vire vè sa ki ta vin rive nan tan ki gen pou vini yo. Epi \x + \xo 2:29 \xo*\xt Dan 2:23-47\xt*\x*Sila ki fè revelasyon mistè yo te fè ou konnen sa k ap vini yo. \v 30 Men selon mwen menm, mistè sa a pa t revele a mwen menm akoz sajès ki plis pase tout lòt moun k ap viv yo, men pou bi ke entèpretasyon an ta kapab vin konnen a wa a, e ke ou ta ka konprann \x + \xo 2:30 \xo*\xt Sòm 139:2\xt*\x*refleksyon a panse ou yo. \p \v 31 “Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te \x + \xo 2:31 \xo*\xt Hab 1:7\xt*\x*etonan. \v 32 \x + \xo 2:32 \xo*\xt Dan 2:38\xt*\x*Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz, \v 33 janm li an fè, pye li, yon pati an fè e yon pati an ajil. \v 34 Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye \x + \xo 2:34 \xo*\xt Dan 8:25\xt*\x*san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso. \v 35 Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske \x + \xo 2:35 \xo*\xt Sòm 37:10\xt*\x*yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè. \p \v 36 “Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay \x + \xo 2:36 \xo*\xt Dan 2:24\xt*\x*lentèpretasyon li devan wa a. \v 37 Ou menm, O wa, ou se \x + \xo 2:37 \xo*\xt És 47:5\xt*\x*wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a. \v 38 Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa \x + \xo 2:38 \xo*\xt Sòm 50:10-11\xt*\x*bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a. \p \v 39 “Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè. \v 40 Epi va gen yon \x + \xo 2:40 \xo*\xt Dan 7:23\xt*\x*katriyèm wayòm ak fòs tankou fè. Menm jan ke fè a kraze e fann tout bagay yo, konsa, tankou fè ki kraze vin fè anpil mòso yo, li va vin kraze e fann tout sila yo an mòso. \v 41 Nan sila ou te wè pye ak dwèt pye yo, yon pati an fè ak yon pati an ajil la, li va yon wayòm divize. Men li va genyen nan li kapasite pou vin di kon fè, jan ou te wè fè a mele ak ajil la. \v 42 Dwèt pye li yo te mele fè ak kanari; konsa, yon pati nan wayòm nan va fò e yon pati va frajil. \v 43 Epi jan ou te wè fè a mele ak ajil òdinè a, yo va vin mele youn ak lòt nan jèm a lòm; men yo p ap kole byen youn ak lòt, menm jan fè a pa mele ak kanari. \p \v 44 “Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va \x + \xo 2:44 \xo*\xt És 9:6-7\xt*\x*etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan. \v 45 Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a \x + \xo 2:45 \xo*\xt Det 10:17\xt*\x*gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vrè e entèpretasyon li fèt ak fidelite.” \p \v 46 Konsa, Wa Nebucadnetsar te tonbe sou figi li. Li te rann \x + \xo 2:46 \xo*\xt Dan 3:5-7\xt*\x*omaj a Daniel e li te pase lòd pou prezante li ak yon ofrann ak lansan ki santi bon. \v 47 Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon \x + \xo 2:47 \xo*\xt Det 10:17\xt*\x*Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.” \p \v 48 Konsa, wa a te \x + \xo 2:48 \xo*\xt Jen 41:39-43\xt*\x*Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo. \v 49 Daniel te fè yon demann a wa a, e wa a te chwazi Schadrac, Méschac ak Abed-Nego sou tout afè yo nan pwovens Babylone, men se te Daniel ki te rete nan pòtay a wa a. \c 3 \p \v 1 Wa Nebucadnetsar te fè yon estati fèt an lò ak yon \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Wa 12:28 \xt*\x*imaj lò, wotè a sila a te swasant koude e lajè li sis koude. Li te fè l monte sou plèn Dura nan pwovens a Babylone. \v 2 Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout \x + \xo 3:2 \xo*\xt Dan 3:3-27 \xt*\x*satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. \v 3 Konsa, satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, majistra yo ak tout chèf an pwovens yo te rasanble pou seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a; epi yo te kanpe devan imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a. \p \v 4 Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay \x + \xo 3:4 \xo*\xt Dan 3:7 \xt*\x*O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo, \v 5 ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. \v 6 Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon \x + \xo 3:6 \xo*\xt Jr 29:22 \xt*\x*founo dife byen cho.” \p \v 7 Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. \p \v 8 Pou rezon sa a, nan lè sa a, kèk Kaldeyen te vin parèt pou fè pwosè kont Jwif yo.\x + \xo 3:8 \xo*\xt Éz 4:12-16\xt*\x* \v 9 Yo te pale e te di a Nebucadnetsar, wa a: \x + \xo 3:9 \xo*\xt Dan 2:4 \xt*\x*“O wa, viv jis pou tout tan! \v 10 Ou menm, O wa, ou te \x + \xo 3:10 \xo*\xt Est 3:12-14 \xt*\x*fè yon dekrè ke tout moun ki tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, yo va pwostène pou adore imaj an lò a. \v 11 Men nenpòt moun ki pa pwostène, va jete nan mitan a yon founo dife byen cho. \v 12 Genyen sèten Jwif ke ou te \x + \xo 3:12 \xo*\xt Dan 2:49 \xt*\x*chwazi sou administrasyon pwovens Babylone nan, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Mesye sila yo, O wa, pa t okipe ou. Yo pa sèvi dye pa ou yo, ni adore imaj an lò ke ou te fè monte a.” \p \v 13 Epi Nebucadnetsar \x + \xo 3:13 \xo*\xt Dan 2:12 \xt*\x*byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a. \v 14 Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi \x + \xo 3:14 \xo*\xt És 46:1 \xt*\x*dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a? \v 15 Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit \x + \xo 3:15 \xo*\xt Dan 3:6\xt*\x*jete nan yon founo dife byen cho. Epi \x + \xo 3:15 \xo*\xt Egz 5:2 \xt*\x*ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?” \p \v 16 \x + \xo 3:16 \xo*\xt Dan 1:7 \xt*\x*Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. \v 17 Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi \x + \xo 3:17 \xo*\xt I Sam 17:37 \xt*\x*Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. \v 18 Men menm si li pa fè sa, \x + \xo 3:18 \xo*\xt Eb 11:25 \xt*\x*kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.” \p \v 19 Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak \x + \xo 3:19 \xo*\xt Est 7:7 \xt*\x*chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a. \v 20 Li te kòmande sèten gèrye vanyan ki te nan lame li a pou mare Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, pou yo ta jete yo nan founo dife byen cho a. \v 21 Alò, mesye sila yo te mare nèt ak \x + \xo 3:21 \xo*\xt Dan 3:27 \xt*\x*pantalon yo, mayo yo, kas yo, ak tout lòt rad pa yo, e yo te jete nan mitan founo dife byen cho a. \v 22 Pou rezon sa a, akoz lòd a wa te \x + \xo 3:22 \xo*\xt Egz 12:33 \xt*\x*byen ijan e founo a te vin tèlman cho, flanm dife a te touye mesye ki te pote, fè monte, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego yo. \v 23 Men twa mesye sila yo, \x + \xo 3:23 \xo*\xt És 43:2\xt*\x*Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te tonbe nan mitan founo dife byen cho a toujou mare. \p \v 24 Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?” \p Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.” \p \v 25 Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap \x + \xo 3:25 \xo*\xt Sòm 91:3-9 \xt*\x*mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!” \v 26 Epi Nebucadnetsar te vin toupre pòt founo dife byen cho a. Li te pale e te di: “Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, vini deyò, sèvitè a \x + \xo 3:26 \xo*\xt Dan 3:17\xt*\x*Bondye Pi Wo a, e vini isit!” \p Konsa, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego \x + \xo 3:26 \xo*\xt Det 4:20 \xt*\x*te sòti nan mitan dife a. \v 27 Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.\x + \xo 3:27 \xo*\xt És 43:2; Dan 3:21 \xt*\x* \p \v 28 Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye \x + \xo 3:28 \xo*\xt Sòm 34:7-8\xt*\x*zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete \x + \xo 3:28 \xo*\xt Sòm 22:4-5 \xt*\x*konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a. \v 29 Konsa, mwen \x + \xo 3:29 \xo*\xt Dan 6:26\xt*\x*fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske \x + \xo 3:29 \xo*\xt Dan 2:47 \xt*\x*nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.” \p \v 30 Answit, wa a te \x + \xo 3:30 \xo*\xt Dan 2:49 \xt*\x*fè Schadrac, Méschac ak Abed-Nego vin pwospere nan pwovens Babylone nan. \c 4 \pi1 \v 1 Nebucadnetsar, wa a \pi1 a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a: \pi1 “Ke lapè nou kapab vin anpil!\x + \xo 4:1 \xo*\xt Éz 4:17 \xt*\x* \pi1 \v 2 Li te sanble bon pou mwen deklare sign ak mèvèy ke \x + \xo 4:2 \xo*\xt Dan 3:26 \xt*\x* Bondye Pi Wo a te fè pou mwen yo. \q1 \v 3 A la gran, \x + \xo 4:3 \xo*\xt Sòm 77:19\xt*\x*sign Li yo gran! \q1 A la pwisan, mèvèy Li yo pwisan! \q1 Wayòm Li se yon wayòm k ap dire jis pou tout tan, \q1 epi dominasyon li de jenerasyon an jenerasyon. \pi1 \v 4 Mwen, Nebucadnetsar, mwen te alèz nan lakay mwen e mwen \x + \xo 4:4 \xo*\xt Sòm 30:6 \xt*\x*t ap pwospere nan palè mwen an. \v 5 Mwen te fè yon rèv e li te fè m gen gwo laperèz; epi refleksyon sila yo sou kabann mwen ak \x + \xo 4:5 \xo*\xt Dan 2:1-28 \xt*\x*vizyon yo nan panse m te fè m gen gwo laperèz. \v 6 Konsa, mwen te pase lòd pou fè \x + \xo 4:6 \xo*\xt Jen 41:8 \xt*\x*mennen devan prezans mwen tout mesye saj Babylone yo, pou yo ta ka fè m konnen entèpretasyon a rèv la. \v 7 Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen \x + \xo 4:7 \xo*\xt És 44:25 \xt*\x*entèpretasyon li. \v 8 Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila \x + \xo 4:8 \xo*\xt Dan 4:9-18 \xt*\x*lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di: \pi1 \v 9 O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e \x + \xo 4:9 \xo*\xt Éz 28:3\xt*\x*nanpwen mistè ki difisil pou ou \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jen 41:15 \xt*\x*fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li. \v 10 Alò, men vizyon ki te nan tèt mwen pandan mwen kouche sou kabann mwen an: Mwen t ap gade e vwala, yon \x + \xo 4:10 \xo*\xt Éz 31:3-6 \xt*\x*bwa nan mitan tè a, e wotè l te byen gran. \v 11 Bwa a te grandi byen gwo, e li te vin fò epi wotè l te \x + \xo 4:11 \xo*\xt Det 9:1 \xt*\x*rive jis nan syèl la. Li te vizib jis rive nan dènye pwent a tout tè a. \v 12 Fèy li te byen bèl, fwi li te anpil e nan li, te gen manje pou tout moun. Bèt chan yo te jwenn lonbraj anba li, epi zwazo nan syèl yo te rete sou branch li, epi tout kreyati vivan yo te jwenn manje yo ladann.\x + \xo 4:12 \xo*\xt Jr 27:6 \xt*\x* \pi1 \v 13 Mwen t ap gade vizyon yo nan panse m, sou kabann mwen an, epi vwala \x + \xo 4:13 \xo*\xt Det 33:2 \xt*\x*yon ki sen k ap veye te desann soti nan syèl la. \v 14 Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li.\x + \xo 4:14 \xo*\xt Éz 31:10-14 \xt*\x* \v 15 Sepandan \x + \xo 4:15 \xo*\xt Job 14:7-9 \xt*\x*kite chouk la rete anrasine nan tè a, menm avèk yon bann an fè ak bwonz k ap ansèkle l nan zèb nèf chan an. Kite moun sa a tranpe ak lawouze syèl la. Kite li pataje zèb la avèk bèt chan latè yo. \v 16 Kite kè li vin chanje pou l pa kè moun ankò, men ke kè a yon bèt vin bay a li menm. Konsa, kite \x + \xo 4:16 \xo*\xt Dan 4:23-32 \xt*\x*sèt epòk vin pase sou li. \pi1 \v 17 Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab \x + \xo 4:17 \xo*\xt Sòm 9:16\xt*\x*konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va \x + \xo 4:17 \xo*\xt Jr 27:5-7 \xt*\x* bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo. \pi1 \v 18 Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami \x + \xo 4:18 \xo*\xt Jen 41:8-15 \xt*\x*mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.” \pi1 \v 19 Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e \x + \xo 4:19 \xo*\xt Jr 4:19\xt*\x*refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.” \pi1 Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo! \v 20 \x + \xo 4:20 \xo*\xt Dan 4:10-12 \xt*\x*Pyebwa ke ou te wè a, ki te vin gran, e te vin fò a, wotè a sila ki te rive jis nan syèl la, e te vizib a tout tè a; \v 21 epi fèy a sila ki te bèl, fwi anpil la, pyebwa nan sila te gen manje pou tout moun nan, pyebwa anba sila bèt chan yo te viv la, e sou branch a sila zwazo syèl yo te vin poze a— \v 22 se \x + \xo 4:22 \xo*\xt II Sam 12:7 \xt*\x*ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e \x + \xo 4:22 \xo*\xt Jr 27:6,7\xt*\x*dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè. \pi1 \v 23 “Epi tandiske wa a te wè yon ki t ap veye, yon ki sen, ki t ap desann kite syèl la, e ki t ap di: \x + \xo 4:23 \xo*\xt Dan 4:14-15 \xt*\x*‘Koupe bwa a e detwi li; sepandan, kite chouk la ak rasin li nan tè a, menm avèk yon bann fè ak bwonz k ap ansèkle li nan zèb nèf nan chan an, kite li menm moun nan tranpe ak lawouze syèl la, e kite li pataje li ak bèt chan yo jiskaske sèt epòk vin pase sou li,’ \pi1 \v 24 “Sa se entèpretasyon an, O wa, e sa se dekrè a Pi Wo a ki te \x + \xo 4:24 \xo*\xt Job 40:11-12 \xt*\x*vin rive sou senyè mwen an, wa a: \v 25 Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke \x + \xo 4:25 \xo*\xt Sòm 83:18\xt*\x*Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito. \v 26 Epi, tandiske li te kòmande pou kite chouk la, ak rasin pyebwa a, wayòm ou an va asire apre ou vin rekonèt ke se \x + \xo 4:26 \xo*\xt Dan 2:18-44 \xt*\x*syèl la ki renye. \v 27 Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk \x + \xo 4:27 \xo*\xt Sòm 41:1-3 \xt*\x*montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.” \pi1 \v 28 Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a.\x + \xo 4:28 \xo*\xt Nonb 23:19 \xt*\x* \v 29 \x + \xo 4:29 \xo*\xt II Pi 3:9 \xt*\x*Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone. \v 30 Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone \x + \xo 4:30 \xo*\xt Eb 2:4 \xt*\x*sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?” \pi1 \v 31 Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou. \v 32 Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk a va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”\x + \xo 4:32 \xo*\xt Dan 4:25; Dan 4:16\xt*\x* \pi1 \v 33 Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te \x + \xo 4:33 \xo*\xt Dan 4:25 \xt*\x*chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo. \pi1 \v 34 Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni \x + \xo 4:34 \xo*\xt Dan 4:2\xt*\x*Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a \x + \xo 4:34 \xo*\xt Sòm 102:24-27\xt*\x*Sila ki vivan jis pou tout tan an; \q1 Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan \q1 epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon. \q1 \v 35 Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen, \q1 men \x + \xo 4:35 \xo*\xt Sòm 33:11; Job 42:2\xt*\x*Li fè selon volonte Li nan lame syèl la \q1 e pami sila ki rete sou latè yo; \q1 epi nanpwen moun ki ka evite men Li, \q1 ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?” \pi1 \v 36 Nan lè sa a \x + \xo 4:36 \xo*\xt II Kwo 33:12,13 \xt*\x*bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon \x + \xo 4:36 \xo*\xt Pwov 22:4\xt*\x*pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen. \v 37 Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske \x + \xo 4:37 \xo*\xt Det 32:4\xt*\x*tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki \x + \xo 4:37 \xo*\xt Egz 18:11 \xt*\x*mache ak ògèy yo. \c 5 \p \v 1 Belschatsar, wa a te fè yon \x + \xo 5:1 \xo*\xt Est 1:3 \xt*\x*gran fèt pou yon milye nan gwo chèf li yo, e li t ap bwè diven nan prezans a milye a gwo chèf yo. \v 2 Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote \x + \xo 5:2 \xo*\xt II Wa 24:13 \xt*\x*veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo. \v 3 Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo. \v 4 Yo te bwè diven an e te louwe dye a \x + \xo 5:4 \xo*\xt Sòm 115:4 \xt*\x*lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo. \p \v 5 Sibitman, men a yon moun te vin parèt. Li te kòmanse ekri anfas chandelye sou randisaj miray palè a Wa a, e wa a te wè pati nan men ki t ap ekri a. \v 6 Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt. \p \v 7 Wa a te rele byen fò pou yo mennen mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Wa a te pale e te di a mesye saj Babylone yo: “Nenpòt moun ki ka li enskripsyon sa a e eksplike entèpretasyon li, li va abiye an mov, resevwa yon kolye an lò nan kou li, e vin jwenn pozisyon kon twazyèm chèf nan peyi a.” \p \v 8 Alò, tout moun nan mesye saj a wa yo te antre, men \x + \xo 5:8 \xo*\xt Jen 41:8 \xt*\x*yo pa t ka li enskripsyon an ni fè wa a konnen sa li vle di. \v 9 Epi wa Belschatsar te plen ak \x + \xo 5:9 \xo*\xt Job 18:11 \xt*\x*gwo laperèz, figi li te vin pi pal e prens li yo te vin twouble. \p \v 10 Rèn nan te antre nan kay bankè a akoz pawòl a wa a ak prens li yo. Rèn nan te pale e te di: \x + \xo 5:10 \xo*\xt Dan 3:9 \xt*\x*“O wa, viv jis pou tout tan! Pa kite refleksyon ou yo fè ou pè, ni figi ou vin pal. \v 11 Gen yon \x + \xo 5:11 \xo*\xt Jen 41:11-15\xt*\x*nonm nan wayòm ou a, nan li menm twouve \x + \xo 5:11 \xo*\xt Dan 4:8 \xt*\x*lespri a dye sen yo; epi nan jou a papa ou yo, limyè, bon konprann, ak sajès tankou sajès a dye yo te twouve nan li. Epi Wa Nebucadnetsar, papa ou, Wa a, te chwazi li chèf sou majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. \v 12 Se te akoz yon \x + \xo 5:12 \xo*\xt Dan 5:14 \xt*\x*lespri ekstrawòdinè, konesans, bon konprann, entèpretasyon a rèv yo, eksplikasyon a fraz ki nwa ak kapasite pou rezoud pwoblèm difisil. Tout sa te twouve nan Daniel sila a, ke wa a te rele Beltschatsar. Kounye a, kite yo rele Daniel e li va fè deklarasyon a entèpretasyon an.” \p \v 13 Konsa, Daniel te mennen devan wa a. Wa a te pale e te di a Daniel: “Èske ou se menm Daniel ki te youn nan \x + \xo 5:13 \xo*\xt Éz 4:1 \xt*\x*egzile a Juda yo, ke papa mwen, wa a, te mennen soti Juda a? \v 14 Alò, mwen te tande de ou menm, ke lespri a dye yo nan ou, ke konesans, bon konprann ak sajès ki depase tout moun twouve nan ou. \v 15 Epi koulye a, mesye saj yo, mèt zetwal yo te mennen devan m pou yo ta ka li enskripsyon sa a e fè entèpretasyon an vin konnen a mwen menm, men yo \x + \xo 5:15 \xo*\xt És 47:12 \xt*\x*pa t ka deklare entèpretasyon a mesaj la. \v 16 Men mwen te tande konsènan ou menm, ke ou kapab bay entèpretasyon, e rezoud pwoblèm difisil. Alò, si ou kapab li enskripsyon an, e fè mwen konnen entèpretasyon an, ou va abiye an mov, pote yon kolye an lò nan kou ou e ou va gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.”\x + \xo 5:16 \xo*\xt Jen 40:8 \xt*\x* \p \v 17 Daniel te reponn e te di devan wa a: \x + \xo 5:17 \xo*\xt II Wa 5:16 \xt*\x*“Kenbe kado ou yo pou ou menm, oswa bay rekonpans ou yo a yon lòt moun. Sepandan, mwen va li enskripsyon an pou wa a, e fè l konnen lentèpretasyon an. \p \v 18 “O wa, \x + \xo 5:18 \xo*\xt Dan 4:2\xt*\x* Bondye Pi Wo a \x + \xo 5:18 \xo*\xt Dan 2:37 \xt*\x*te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou. \v 19 Akoz grandè ke Li te bay li a, tout pèp yo, nasyon ak lang yo te gen lakrent li, e te tranble devan l. \x + \xo 5:19 \xo*\xt Dan 2:12-13 \xt*\x*Nenpòt moun li te pito, li te touye l, e nenpòt moun li te pito, li te lese l viv. Epi nenpòt moun li te pito, li te leve l e nenpòt moun li te pito, li te imilye l. \v 20 Men lè kè l te \x + \xo 5:20 \xo*\xt Egz 9:17\xt*\x*vin egzalte wo, lespri li te vin \x + \xo 5:20 \xo*\xt II Wa 17:4 \xt*\x*tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l. \v 21 Anplis, li te \x + \xo 5:21 \xo*\xt Job 30:3-7 \xt*\x*chase lwen de lòm, kè l te vin transfòme kon kè a bèt, e li te vin rete ak bourik mawon. Yo te fè li manje zèb kon bèf, e kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske li te vin rekonèt Bondye Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e ke li mete chèf sou li sila ke Li pito. \p \v 22 “Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar \x + \xo 5:22 \xo*\xt Egz 10:3 \xt*\x*pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa, \v 23 men ou te \x + \xo 5:23 \xo*\xt II Wa 14:10\xt*\x*egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, \x + \xo 5:23 \xo*\xt Job 12:10 \xt*\x*nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa. \v 24 Konsa, men an te voye devan l, e sa se enskripsyon ki te byen ekri a.\x + \xo 5:24 \xo*\xt Dan 5:5 \xt*\x* \p \v 25 “Alò, sa se enskripsyon ki te byen ekri a: ‘MENE, MENE, TEKEL, UPHARSIN.’ \p \v 26 “Sa se entèpretasyon a mesaj la: ‘MENE’—Bondye te konte wayòm ou an e te mete fen a li.\x + \xo 5:26 \xo*\xt És 13:6,17-19\xt*\x* \p \v 27 ‘TEKEL’—ou te \x + \xo 5:27 \xo*\xt Job 31:6 \xt*\x*peze sou balans e ou te manke. \p \v 28 ‘PERES’—wayòm ou an vin divize, e li va bay a \x + \xo 5:28 \xo*\xt És 13:17 \xt*\x* moun Mèd ak Pès yo.” \p \v 29 Konsa, Belschatsar te pase lòd pou yo te \x + \xo 5:29 \xo*\xt Dan 5:7-16 \xt*\x*abiye Daniel an mov, e mete yon kolye an lò nan kou li. Li te pibliye yon dekrè selon li ke Daniel te gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan. \p \v 30 Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye.\x + \xo 5:30 \xo*\xt És 21:4-9\xt*\x* \v 31 Konsa \x + \xo 5:31 \xo*\xt Dan 6:1 \xt*\x*Darius, Mèd la, te resevwa wayòm nan ak anviwon laj swasann-de lane. \c 6 \p \v 1 Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan. \v 2 Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te \x + \xo 6:2 \xo*\xt Dan 2:48,49\xt*\x*Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufre okenn pèt. \v 3 Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon \x + \xo 6:3 \xo*\xt Dan 5:12,14\xt*\x*lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou \x + \xo 6:3 \xo*\xt Jen 41:40 \xt*\x*tout wayòm nan. \p \v 4 Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn \x + \xo 6:4 \xo*\xt Dan 6:22 \xt*\x*okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li. \v 5 Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan \x + \xo 6:5 \xo*\xt Trav 24:13-21 \xt*\x*lalwa Bondye li a.” \p \v 6 Alò, chèf sila yo ak satrap yo te antann yo pou te parèt devan wa a, e te pale avèk li konsa: “Wa Darius, viv jis pou tout tan!\x + \xo 6:6 \xo*\xt Né 2:3 \xt*\x* \v 7 Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te \x + \xo 6:7 \xo*\xt Sòm 59:3\xt*\x*fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe \x + \xo 6:7 \xo*\xt Sòm 10:9 \xt*\x*jete nan fòs lyon an. \v 8 Alò, O wa, \x + \xo 6:8 \xo*\xt Est 3:12; Est 1:19 \xt*\x*fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.” \v 9 Konsa Darius, wa a, te \x + \xo 6:9 \xo*\xt Sòm 118:9 \xt*\x*siyen dokiman an, ak dekrè a. \p \v 10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou \x + \xo 6:10 \xo*\xt Dan 9:4-19\xt*\x*fè lapriyè, e \x + \xo 6:10 \xo*\xt Sòm 34:1 \xt*\x*bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an. \v 11 Alò, mesye sila yo te reyini ansanm \x + \xo 6:11 \xo*\xt Sòm 37:32-33 \xt*\x* e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a. \v 12 Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?” \p Wa a te reponn: “Pawòl sa a se verite, selon \x + \xo 6:12 \xo*\xt Est 1:19 \xt*\x*Lalwa a Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje menm.” \p \v 13 Epi yo te reponn, e te pale devan wa a: “Daniel, ki se youn nan egzile ki soti Juda yo \x + \xo 6:13 \xo*\xt Est 3:8 \xt*\x*pa okipe ou, O wa, ni dekrè ke ou te siyen an, men kontinye fè petisyon li yo twa fwa pa jou.” \v 14 Alò, depi wa a te fin tande pawòl sa a, li te vin byen twouble e te dirije panse li sou mwayen pou delivre Daniel. Epi jiskaske solèy fin kouche, li te kontinye fè efò pou l ta ka sove li. \p \v 15 Alò, mesye sila yo te rasanble ansanm devan wa a. Yo te di wa a: “Byen konprann, O wa, ke sa se yon \x + \xo 6:15 \xo*\xt Est 8:8 \xt*\x*lwa a Mèd ak Pès yo, ke okenn pwosè legal, ni dekrè ke wa a ta etabli, pa kapab chanje.” \p \v 16 Konsa, wa a te pase lòd pou mennen Daniel jete nan fos lyon an. Wa a te pale. Li te di a Daniel: \x + \xo 6:16 \xo*\xt Job 5:19 \xt*\x*“Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a, va Li menm, delivre ou.” \p \v 17 Yon \x + \xo 6:17 \xo*\xt Lam 3:53 \xt*\x*wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel. \v 18 Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.\x + \xo 6:18 \xo*\xt II Sam 12:16,17; Est 6:1\xt*\x* \p \v 19 Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an. \v 20 Lè li te vin pre fòs kote Daniel la, li te kriye fò ak yon vwa byen twouble. Wa a te pale e te di a Daniel: “Daniel, sèvitè a Bondye vivan an, èske \x + \xo 6:20 \xo*\xt Jen 18:14\xt*\x*Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a \x + \xo 6:20 \xo*\xt Dan 6:16,27 \xt*\x*te gen kapasite pou delivre ou de lyon yo?” \p \v 21 Konsa, Daniel te reponn a wa a: \x + \xo 6:21 \xo*\xt Dan 2:4 \xt*\x*“O wa, viv jis pou tout tan! \v 22 Bondye mwen an \x + \xo 6:22 \xo*\xt Sòm 91:11-13\xt*\x*te voye zanj li. Li \x + \xo 6:22 \xo*\xt Nonb 20:16\xt*\x*te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.” \p \v 23 Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te \x + \xo 6:23 \xo*\xt I Kwo 5:20 \xt*\x*mete konfyans nan Bondye li a. \p \v 24 Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te \x + \xo 6:24 \xo*\xt Det 19:18,19; Det 24:16 \xt*\x*jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo. \p \v 25 Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a: \pi1 \x + \xo 6:25 \xo*\xt Esd 4:17 \xt*\x*“Ke lapè ou kapab vin miltipliye! \pi1 \v 26 Mwen fè yon dekrè ke nan tout dominasyon wayòm mwen an, pou tout moun gen pou gen lakrent e tranble devan Dye Daniel la; \q1 Paske Li se \x + \xo 6:26 \xo*\xt Dan 4:34\xt*\x*Bondye vivan an, \q1 ki \x + \xo 6:26 \xo*\xt Sòm 93:1,2\xt*\x*dire jis pou tout tan an, \q1 epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap janm detwi. \q1 Règn li an va jis pou tout tan. \q1 \v 27 Li delivre e Li sove, \q1 Li fè sign ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a. \q1 Li menm ki te delivre Daniel soti nan pouvwa a lyon yo.”\x + \xo 6:27 \xo*\xt Dan 4:2-3 \xt*\x* \p \v 28 Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.\x + \xo 6:28 \xo*\xt II Kwo 36:22 \xt*\x* \c 7 \p \v 1 Nan premye ane Belschatsar, wa Babylone nan, Daniel te fè yon rèv ak vizyon nan panse li, sou kabann li. Epi li te \x + \xo 7:1 \xo*\xt Jr 36:4 \xt*\x*ekri rèv la e te rakonte bagay prensipal yo. \p \v 2 Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala \x + \xo 7:2 \xo*\xt Rev 7:1 \xt*\x*kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a. \v 3 Epi kat gran \x + \xo 7:3 \xo*\xt Dan 7:7 \xt*\x*bèt t ap monte soti nan lanmè a, youn pa t sanble lòt. \p \v 4 “Premye a te \x + \xo 7:4 \xo*\xt Jr 4:7 \xt*\x*tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun. \p \v 5 “Konsa, vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li. Konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’ \p \v 6 “Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt \x + \xo 7:6 \xo*\xt Rev 13:2\xt*\x*tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen \x + \xo 7:6 \xo*\xt Dan 8:22 \xt*\x*kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm. \p \v 7 “Apre sa, mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan e vwala, yon katriyèm bèt, byen tèrib, pwisan e fò depase. Li te gen gwo dan fèt an fè. Li te devore, kraze e foule tout sa ki te rete anba pye li. Li te diferan de tout lòt bèt ki te parèt avan li yo. Li te gen \x + \xo 7:7 \xo*\xt Rev 12:3 \xt*\x*dis kòn. \p \v 8 “Pandan mwen t ap reflechi sou kòn yo, vwala \x + \xo 7:8 \xo*\xt Dan 8:9\xt*\x*yon lòt kòn, yon ti piti, te vin leve pami yo, e twa nan premye kòn yo te rache pa rasin yo. Epi vwala, kòn sila a te gen zye tankou zye a moun, e yon \x + \xo 7:8 \xo*\xt Rev 13:5,6 \xt*\x*bouch ki te eksprime anpil bagay ak gwo awogans. \q1 \v 9 “Mwen te kontinye gade jiskaske \x + \xo 7:9 \xo*\xt Rev 20:4\xt*\x*twòn yo te vin plase. \q1 Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita. \q1 Abiman Li te tankou lanèj blan, \q1 e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach. \q1 Twòn Li te briyan akoz flanm yo, \q1 e wou li yo te yon dife ki t ap brile. \q1 \v 10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L; \q1 Milye dè milye t ap okipe L. \q1 Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L. \q1 Jijman an te etabli. \q1 \x + \xo 7:10 \xo*\xt Dan 12:1 \xt*\x*Liv yo te vin ouvri. \p \v 11 “Alò, mwen te kontinye gade, akoz son a pawòl awogan ke kòn nan t ap pale yo. Mwen te kontinye gade jiskaske bèt la te vin touye, kò l te detwi, e li te vin bay a \x + \xo 7:11 \xo*\xt Rev 19:20 \xt*\x*dife ki t ap brile a. \v 12 Pou tout lòt bèt yo, dominasyon yo te vin retire, men yo te resevwa yon pwolongasyon lavi pandan yon sezon ak pandan yon tan. \p \v 13 “Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon \x + \xo 7:13 \xo*\xt Mat 24:30 \xt*\x*Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te fè l vin prè. \v 14 A li menm, Li te bay \x + \xo 7:14 \xo*\xt Dan 7:27 \xt*\x*dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. \x + \xo 7:14 \xo*\xt Mi 4:7\xt*\x*Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi. \p \v 15 “Pou mwen menm, Daniel, lespri mwen te twouble anndan mwen, e vizyon nan panse m yo te kontinye ban m \x + \xo 7:15 \xo*\xt Dan 4:19 \xt*\x*gwo laperèz. \v 16 Mwen te pwoche youn nan sila ki te \x + \xo 7:16 \xo*\xt Za 1:9-19\xt*\x*kanpe akote yo, e te kòmanse mande li kisa tout sa te vle di. \p “Konsa, li te \x + \xo 7:16 \xo*\xt Dan 8:16 \xt*\x*eksplike mwen e te fè m konnen byen dirèk entèpretasyon a tout bagay sa yo. \v 17 ‘Gwo bèt sila yo, ki se kat yo, se kat wa ki va leve soti nan tè a. \v 18 Men sen yo a Sila Ki Pi Wo a, va \x + \xo 7:18 \xo*\xt Sòm 149:5-9 \xt*\x*resevwa wayòm nan, e va posede wayòm nan jis pou tout tan, pou tout laj ki gen pou vini yo.’ \p \v 19 “Epi mwen te dezire konnen kisa \x + \xo 7:19 \xo*\xt Dan 7:7-8 \xt*\x*Katriyèm bèt la te sinyifi, ki pa t menm jan ak lòt bèt yo, te vrèman tèrib, ak dan li an fè, e grif li an bwonz, ki te devore, kraze e foule rès la anba pye li; \v 20 epi kisa dis kòn sou tèt li yo ak lòt kòn ki te vin leve a te sinyifi, e devan sila twa nan yo te tonbe a, menm kòn ki te gen zye ak bouch ki te pi djanam nan aparans ke parèy li yo. \v 21 Mwen te kontinye gade; kòn sa a t ap \x + \xo 7:21 \xo*\xt Rev 11:7 \xt*\x*fè lagè ak fidèl yo, e te enpoze li sou yo. \v 22 Jiskaske Ansyen A Jou Yo te vini, epi \x + \xo 7:22 \xo*\xt Dan 7:10 \xt*\x*jijman an te fèt nan favè a sen a Sila Ki Pi Wo a e lè a te rive pou sen yo te pran posesyon a wayòm nan. \p \v 23 “Konsa, li te di: ‘Katriyèm bèt la va yon katriyèm wayòm sou latè, ki va apa de tout lòt wayòm yo. Li va devore tout latè, mache sou li e kraze li an mòso. \v 24 E pou \x + \xo 7:24 \xo*\xt Dan 7:7 \xt*\x*dis kòn yo, sòti nan wayòm sa a, dis wa va leve. Konsa, yon lòt va leve apre yo, li p ap menm jan ak lòt ki te avan yo, e li va kraze twa wa yo. \v 25 Li va pale kont Pi Wo a, li va \x + \xo 7:25 \xo*\xt Rev 13:7\xt*\x*epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou \x + \xo 7:25 \xo*\xt Dan 2:21 \xt*\x*fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan. \p \v 26 “‘Men jijman an va etabli. Dominasyon li an va \x + \xo 7:26 \xo*\xt Rev 17:4 \xt*\x*rache, anile e detwi jis pou tout tan. \v 27 Epi wayòm a dominasyon an, ak grandè a tout wayòm yo anba tout syèl la va vin livre a pèp a sen a Pi Wo yo. Wayòm Li an, yon wayòm k ap dire jis pou tout tan e tout dominasyon yo va sèvi e obeyi Li.’\x + \xo 7:27 \xo*\xt És 54:3; Sòm 2:6-12 \xt*\x* \p \v 28 “Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te \x + \xo 7:28 \xo*\xt Dan 4:19\xt*\x*twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te \x + \xo 7:28 \xo*\xt Luc 2:19,51 \xt*\x*kenbe bagay la nan kè m.” \c 8 \p \v 1 Nan twazyèm ane règn a Belschatsar a, wa a, yon vizyon te parèt a mwen menm, Daniel, apre sa ki parèt a mwen an premye a. \v 2 Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan \x + \xo 8:2 \xo*\xt Né 1:1; Jen 10:22 \xt*\x*Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la. \v 3 Mwen te leve zye m pou te gade e vwala, yon \x + \xo 8:3 \xo*\xt Dan 8:20 \xt*\x*belye ak de kòn ki te kanpe devan kanal la. Alò, de kòn yo te long, men youn te pi long ke lòt la, e sa ki pi long lan ki te leve an dènye. \v 4 Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. \x + \xo 8:4 \xo*\xt Dan 11:3 \xt*\x* Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo. \p \v 5 Pandan mwen t ap gade a, vwala yon mal kabrit t ap vini soti nan lwès sou fas tout tè a, san touche tè a, e kabrit la te gen yon kòn \x + \xo 8:5 \xo*\xt Dan 8:8-21 \xt*\x*parèt byen klè antre zye li. \v 6 Li te pwoche kote belye ki te gen de kòn nan, belye ke m te wè kanpe devan kanal la, e li te kouri fò sou li ak gwo chalè pwisans li. \v 7 Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li. \v 8 Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, \x + \xo 8:8 \xo*\xt Dan 8:22 \xt*\x*pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè \x + \xo 8:8 \xo*\xt Dan 7:2 \xt*\x*kat van syèl yo. \p \v 9 Youn nan kòn yo te parèt \x + \xo 8:9 \xo*\xt Dan 8:23\xt*\x*yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè \x + \xo 8:9 \xo*\xt Sòm 48:2 \xt*\x* peyi laglwa a. \v 10 Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan \x + \xo 8:10 \xo*\xt És 14:13 \xt*\x*zetwal yo tonbe atè, e li te \x + \xo 8:10 \xo*\xt Dan 7:7\xt*\x*ponpe sou yo. \v 11 Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l \x + \xo 8:11 \xo*\xt Éz 46:14 \xt*\x*sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba. \v 12 Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te \x + \xo 8:12 \xo*\xt És 59:14 \xt*\x*voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere. \p \v 13 Alò, mwen te tande sila ki sen an ap pale, e yon lòt ki sen te di a sila ki t ap pale a: \x + \xo 8:13 \xo*\xt Sòm 74:10 \xt*\x*“Pandan konbyen tan vizyon a sakrifis nòmal la va kontinye, pandan transgresyon an ap ravaje e kite ni sen lye an ansanm ak lame a vin foule anba pye?” \p \v 14 Li te di mwen: “Pandan \x + \xo 8:14 \xo*\xt Dan 7:25 \xt*\x*de-mil-twa-san swa ak maten. Epi alò, sen lye a va vin pwòp ankò.” \p \v 15 Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon \x + \xo 8:15 \xo*\xt Dan 7:13 \xt*\x*moun. \v 16 Mwen te tande vwa a yon moun antre de rebò kanal Ulaï la. Li te rele fò e li te di: \x + \xo 8:16 \xo*\xt Dan 9:21 \xt*\x*“Gabriel, fè nonm sa a konprann vizyon an.” \p \v 17 Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”\x + \xo 8:17 \xo*\xt Dan 8:19\xt*\x* \p \v 18 Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te \x + \xo 8:18 \xo*\xt Dan 10:9\xt*\x*tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te \x + \xo 8:18 \xo*\xt Éz 2:2 \xt*\x*touche mwen, e te fè m kanpe dwat. \p \v 19 Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an.\x + \xo 8:19 \xo*\xt Dan 8:15-17\xt*\x* \v 20 \x + \xo 8:20 \xo*\xt Dan 8:3 \xt*\x*Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo. \v 21 Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a. \v 22 Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.\x + \xo 8:22 \xo*\xt Dan 8:8\xt*\x* \p \v 23 “Epi nan dènye pati wayòm yo a, lè transgresè yo fin fè tout transgresyon yo, yon wa va leve ki fiwos, e plen devinèt koken. \v 24 Pouvwa li a va trè pwisan, men se pa ak pwòp pouvwa li. Konsa, li va \x + \xo 8:24 \xo*\xt Dan 8:11-13 \xt*\x*detwi anpil ak gran pwisans. Li va gen gran siksè, e li va fè sa li pito. Li va detwi mesye pwisan ak moun ki sen yo. \v 25 Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze \x + \xo 8:25 \xo*\xt Job 34:20 \xt*\x*san èd moun. \p \v 26 “Vizyon sila a, aswè ak maten ki te pale a, se verite. Men \x + \xo 8:26 \xo*\xt Éz 12:27\xt*\x* sele vizyon an, pou l pa pale menm, paske li apatyen a anpil \x + \xo 8:26 \xo*\xt Dan 10:14 \xt*\x*jou ki gen pou vini.” \p \v 27 Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li. \c 9 \p \v 1 Nan premye ane \x + \xo 9:1 \xo*\xt Dan 5:31 \xt*\x*Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo— \v 2 nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo. \v 3 Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann. \p \v 4 Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: \pi1 “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, \x + \xo 9:4 \xo*\xt Det 7:21\xt*\x* ki \x + \xo 9:4 \xo*\xt Det 7:9 \xt*\x*kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo, \v 5 nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè \x + \xo 9:5 \xo*\xt Lam 1:18-20\xt*\x*rebèl, jiskaske nou \x + \xo 9:5 \xo*\xt Sòm 119:176 \xt*\x*vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo. \v 6 Anplis, nou pa t \x + \xo 9:6 \xo*\xt II Kwo 36:16 \xt*\x*koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a. \pi1 \v 7 \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jr 23:6\xt*\x*Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, \x + \xo 9:7 \xo*\xt Det 4:27 \xt*\x*nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo. \v 8 O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou. \v 9 A Senyè Bondye nou an, se \x + \xo 9:9 \xo*\xt Né 9:17 \xt*\x*Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li. \v 10 Ni nou pa t obeyi vwa SENYÈ Bondye nou an, pou mache nan enstriksyon ke Li te \x + \xo 9:10 \xo*\xt II Wa 17:13-15 \xt*\x*mete devan nou pa sèvitè Li yo, pwofèt yo. \v 11 Anverite \x + \xo 9:11 \xo*\xt És 1:3,4\xt*\x*tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou. \pi1 Konsa, \x + \xo 9:11 \xo*\xt Det 27:15-26 \xt*\x*malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li. \v 12 Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan.\x + \xo 9:12 \xo*\xt És 44:26\xt*\x* \v 13 Jan sa ekri nan lalwa Moïse la, tout malè sa a te vini sou nou. Malgre sa, nou \x + \xo 9:13 \xo*\xt Job 36:13\xt*\x*pa t chache gras a SENYÈ la, Bondye nou an, ak desizyon pou \x + \xo 9:13 \xo*\xt Jr 31:18 \xt*\x*vire kite inikite nou, e vin okipe nou de verite pa Ou a. \v 14 Akoz sa, SENYÈ a te \x + \xo 9:14 \xo*\xt Jr 31:28 \xt*\x*kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li. \pi1 \v 15 Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te \x + \xo 9:15 \xo*\xt Det 5:15 \xt*\x*mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste. \v 16 O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite \x + \xo 9:16 \xo*\xt Jr 32:31-32 \xt*\x* gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo. \pi1 \v 17 Pou sa, koulye a, Bondye nou an, koute lapriyè a sèvitè Ou a, ak siplikasyon li yo, e pou koz a Ou menm, O Senyè, \x + \xo 9:17 \xo*\xt Nonb 6:24-26; Lam 5:18 \xt*\x*kite fas ou briye sou sanktiyè dezole Ou a. \v 18 O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou. \x + \xo 9:18 \xo*\xt Sòm 80:14; Jr 7:10-12 \xt*\x* \v 19 O Senyè, koute! O Senyè, padone! O Senyè, tande e aji! Pou koz pa Ou, O Bondye mwen an, \x + \xo 9:19 \xo*\xt Sòm 44:23 \xt*\x*pa fè reta. Paske vil Ou a, ak pèp Ou a rele pa non Ou.” \b \p \v 20 Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m \x + \xo 9:20 \xo*\xt És 6:5 \xt*\x*konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an— \v 21 pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan \x + \xo 9:21 \xo*\xt Dan 8:16 \xt*\x*Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a. \v 22 Li te ban mwen enstriksyon. Li te pale ak mwen e te di: “O Daniel, koulye a, mwen vin parèt pou bay sajès ak bon \x + \xo 9:22 \xo*\xt Dan 8:16 \xt*\x*konprann. \v 23 Nan kòmansman siplikasyon ou yo, lòd la te fin pase, e mwen vini pou di Ou, paske ou \x + \xo 9:23 \xo*\xt Dan 10:11,19; Mat 24:15 \xt*\x*se byeneme. Konsa, prete atansyon a mesaj la pou vin konprann vizyon an. \p \v 24 “Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre \x + \xo 9:24 \xo*\xt II Kwo 29:24; És 51:6,8 \xt*\x*ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la. \p \v 25 “Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon \x + \xo 9:25 \xo*\xt Esd 4:24 \xt*\x*dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble. \v 26 Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va \x + \xo 9:26 \xo*\xt És 53:8\xt*\x*koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va \x + \xo 9:26 \xo*\xt Mat 24:2 \xt*\x*detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine. \v 27 Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl \x + \xo 9:27 \xo*\xt Dan 11:31\xt*\x*abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, \x + \xo 9:27 \xo*\xt És 10:23 \xt*\x* ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.” \c 10 \p \v 1 Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. \x + \xo 10:1 \xo*\xt Dan 8:26\xt*\x*Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te \x + \xo 10:1 \xo*\xt Dan 1:17 \xt*\x*gen konprann vizyon an. \p \v 2 Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn. \v 3 Mwen \x + \xo 10:3 \xo*\xt Dan 6:18 \xt*\x*pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven nan pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli. \p \v 4 Nan venn-katriyèm jou nan premye mwa a, pandan mwen te akote gran \x + \xo 10:4 \xo*\xt Éz 1:3 \xt*\x*rivyè a, ki se Hiddékel, \v 5 mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm \x + \xo 10:5 \xo*\xt Éz 9:2; Rev 1:13 \xt*\x*abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz. \v 6 Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, \x + \xo 10:6 \xo*\xt Rev 1:14 \xt*\x*zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul. \p \v 7 Alò, mwen menm, Daniel, mwen \x + \xo 10:7 \xo*\xt II Wa 6:17-20 \xt*\x*tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo. \v 8 Konsa, mwen te \x + \xo 10:8 \xo*\xt Jen 32:24\xt*\x*rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, \x + \xo 10:8 \xo*\xt Dan 7:28 \xt*\x*pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt. \v 9 Men mwen te tande son a pawòl li yo. Depi mwen te tande son pawòl li yo, mwen te \x + \xo 10:9 \xo*\xt Jen 15:12 \xt*\x*tonbe nan yon gwo somèy sou figi mwen, figi m atè nèt. \p \v 10 Konsa, gade byen, yon men te \x + \xo 10:10 \xo*\xt Jr 1:9 \xt*\x*touche mwen ki te plase m sou men ak jenou m yo. \v 11 Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, \x + \xo 10:11 \xo*\xt Dan 8:16,17\xt*\x*konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. \x + \xo 10:11 \xo*\xt Éz 2:1 \xt*\x*Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble. \p \v 12 Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te \x + \xo 10:12 \xo*\xt Dan 9:20-23 \xt*\x*imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini \x + \xo 10:12 \xo*\xt Trav 10:30,31\xt*\x*akoz pawòl ou yo. \v 13 Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen \x + \xo 10:13 \xo*\xt Dan 10:21 \xt*\x*Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo. \v 14 Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan \x + \xo 10:14 \xo*\xt Det 31:29; Dan 8:26 \xt*\x*dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.” \p \v 15 Lè li te pale ak mwen konsènan pawòl sila yo, mwen te vire figi mwen vè tè a e mwen \x + \xo 10:15 \xo*\xt Éz 3:26 \xt*\x*pa t ka pale menm. \v 16 Epi gade byen, yon bagay ki te sanble ak yon fis a lòm te \x + \xo 10:16 \xo*\xt És 6:7\xt*\x*touche lèv mwen. Konsa, mwen te louvri bouch mwen pou te pale, e mwen te di a sila ki te kanpe devan m nan: “O senyè mwen an, akoz vizyon an \x + \xo 10:16 \xo*\xt Dan 7:15,28 \xt*\x*chagren te antre nan mwen e tout fòs mwen te kite m. \v 17 Paske \x + \xo 10:17 \xo*\xt Egz 24:10-11 \xt*\x*kòman yon kalite sèvitè konsa kapab pale ak youn tankou senyè mwen an? Epi pou mwen, fòs pa rete nan mwen, ni okenn souf pa rete nan mwen.” \p \v 18 Epi sila a ki te sanble ak fis a lòm nan, te touche mwen ankò e te \x + \xo 10:18 \xo*\xt És 35:3-4 \xt*\x*ban m fòs. \v 19 Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, \x + \xo 10:19 \xo*\xt Jij 6:23\xt*\x*pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou vin vanyan!” \p Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.” \p \v 20 Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen \x + \xo 10:20 \xo*\xt Dan 8:21 \xt*\x*prens a Grèce la va vini. \v 21 Men mwen va di ou sa ki enskri nan pawòl \x + \xo 10:21 \xo*\xt Dan 12:4 \xt*\x*verite a. Nanpwen okenn moun k ap kanpe avè m kont sila yo, sòf ke \x + \xo 10:21 \xo*\xt Dan 10:13 \xt*\x*Micaël, prens ou an. \c 11 \p \v 1 “Nan \x + \xo 11:1 \xo*\xt Dan 5:31 \xt*\x*premye ane Darius, Mèd la, Mwen te leve pou m ta kapab vin yon ankourajman ak yon pwotèj pou li. \p \v 2 “Epi koulye a, mwen va di ou verite a. Gade byen, va gen twa wa ankò ki va leve Perse. Epi katriyèm nan va bokou pi rich ke tout lòt yo. Lè li vin fò akoz richès li yo, li va pwovoke tout pouvwa li a kont wayòm \x + \xo 11:2 \xo*\xt Dan 8:21 \xt*\x*Grèce la. \v 3 Konsa, yon \x + \xo 11:3 \xo*\xt Dan 8:5-21 \xt*\x*wa pwisan va vin leve. Li va gouvène ak gwo otorite e fè sa li pito. \v 4 Epi lè li fin leve, wayòm li an va vin kraze e divize vè kat van syèl yo, men se pa a pwòp desandan pa li, ni selon otorite ke li te gouvène, paske wayòm li an va \x + \xo 11:4 \xo*\xt Jr 12:15-17 \xt*\x* vin dechouke e vin bay a lòt moun ke yo menm. \p \v 5 “Epi \x + \xo 11:5 \xo*\xt Dan 11:9-11 \xt*\x*wa a Sid la va vin fò, ansanm ak youn nan prens li yo ki va vin pi fò ke li, e li va domine li. Dominasyon li an va vrèman gran. \v 6 Apre kèk ane, yo va fè yon alyans e fi wa a Sid la va vin kote \x + \xo 11:6 \xo*\xt Dan 11:7-40 \xt*\x*wa Nò a pou antann yo pou yo gen lapè. Men fi a p ap ka kenbe pozisyon pouvwa li a. Ni li menm wa Sid la, li p ap ka kenbe pouvwa pa li a; men fi a va vin livre, ansanm ak sila ki te mennen l antre ak sila ki te devni papa l, menm ak sila ki te bay li soutyen nan lè sa yo. \p \v 7 “Men youn nan desandan fanmi fi yo va leve nan plas li. Li va vin kont lame pa yo, pou l antre nan \x + \xo 11:7 \xo*\xt Dan 11:19-39 \xt*\x*sitadèl wa Nò a. Li va aji kont yo, e li va vankre yo. \v 8 Anplis \x + \xo 11:8 \xo*\xt És 37:19 \xt*\x*dye, imaj metal, veso presye an ajan ak lò yo, li va pote yo an kaptivite an Egypte. Konsa, li va sispann atake wa Nò a pandan kèk ane. \v 9 Li va antre nan wayòm a wa Sid la, men li va retounen nan pwòp peyi li. \v 10 Fis li yo va rasanble yon gwo lame ki va vin debòde \x + \xo 11:10 \xo*\xt És 8:8 \xt*\x* e travèse. Konsa, yo va retounen fè lagè rive jis nan pwòp sitadèl li a. \p \v 11 \x + \xo 11:11 \xo*\xt Dan 11:5 \xt*\x*“Wa Sid la va anraje e vin goumen ak wa Nò a. Epi dezyèm nan va leve yon gwo foul lame kont premye a, men foul lame sila a va livre nan men a premye a. \v 12 Epi foul lame a va vin leve retire. Kè li va vin egzalte e li va fè sòlda tonbe pa di-milye, men, li p ap ka enpoze li. \v 13 Paske, wa Nò a va retounen e leve yon foul ki pi gwo ke sa avan an. Epi li va vini nan fen tan yo, menm nan fen ane yo, avèk yon gwo lame e avèk anpil minisyon.\x + \xo 11:13 \xo*\xt Dan 4:16\xt*\x* \p \v 14 “Alò, nan tan sila yo, va gen anpil moun ki va leve kont wa Sid la. Sila ki vyolan pami pèp nou an va leve yo menm pou etabli vizyon an, men yo va tonbe. \v 15 Epi wa Nò a va vini, li va monte yon \x + \xo 11:15 \xo*\xt Jr 6:6 \xt*\x*teras e li va pran yon vil byen fòtifye. Konsa, lame a Sid yo p ap ka kanpe, ni meyè solda byen chwazi li yo. Li p ap gen okenn fòs pou l ka kanpe. \v 16 Men sila ki vini kont li an va \x + \xo 11:16 \xo*\xt Dan 5:19 \xt*\x*fè sa li pito, e \x + \xo 11:16 \xo*\xt Jos 1:5 \xt*\x*nanpwen moun ki ka kanpe devan li. Konsa, li va kanpe nan peyi laglwa a, e nan men li va gen destriksyon. \v 17 Li va \x + \xo 11:17 \xo*\xt II Wa 12:17 \xt*\x*mete fas li pou vini ak pouvwa a tout wayòm li a. Li va mennen avèk li yon pwopozisyon lapè, ke li va etabli. Li va anplis bay li fi a fanm nan pou detwi wayòm nan. Men li p ap kanpe pou li, ni bay li soutyen. \v 18 Apre sa li va vire fas li vè \x + \xo 11:18 \xo*\xt Jen 10:5 \xt*\x*peyi kot yo, e li va kaptire anpil nan yo. Men yon chèf va fè repwòch li a sispann. Anplis, li va fè l peye pou ensolans li. \v 19 Konsa, li va vire fas li vè fòterès pwòp peyi li a, men li va glise tonbe, e li p ap ka releve ankò. \p \v 20 “Epi nan plas li a, yon moun va koze yon mèt kontribisyon a travèse wayòm nan pou kontwole glwa li. Malgre sa, nan kèk jou, li va vin detwi, malgre se pa ni nan kòlè, ni nan batay.\x + \xo 11:20 \xo*\xt És 60:17\xt*\x* \p \v 21 “Nan plas li a, yon nonm meprizab va vin leve, a sila tit a wa a pa t vin bay. Men li va vini nan yon tan trankil e li va \x + \xo 11:21 \xo*\xt II Sam 15:6 \xt*\x*sezi wayòm nan ak ti manèv koken flatè moun. \v 22 \x + \xo 11:22 \xo*\xt Dan 9:26 \xt*\x*Lame debòde peyi a va soti devan l, e vin kraze nèt, ansanm ak prens akò a. \v 23 Apre yon akò lapè fin fèt ak li, li va fè travay desepsyon. Li va monte reyisi pran pouvwa a ak yon ti ekip tou piti. \v 24 Nan tan lapè a, li va antre nan pati wayòm ki \x + \xo 11:24 \xo*\xt Nonb 13:20 \xt*\x*pi rich la, e li va fè sa ke zansèt li yo pa t janm fè, ni zansèt zansèt li yo. Li va distribye piyaj ak byen yo pami yo. Konsa, li va fòme yon plan kont sitadèl yo, men sèlman pou yon ti tan. \p \v 25 “Li va pwovoke pwisans ak kouraj li kont \x + \xo 11:25 \xo*\xt Dan 11:5 \xt*\x*wa a Sid la ak yon gwo lame. Konsa, wa Sid la va fòme yon vrèman gwo lame pou fè lagè, men li p ap ka kanpe, paske yo va fòme yon plan kont li. \v 26 Sila ki te kon manje pi bon manje nan men l, va detwi li, epi lame li a va \x + \xo 11:26 \xo*\xt Dan 11:10-40 \xt*\x*bale nèt. Konsa, anpil moun va tonbe mouri. \v 27 Selon toulède wa sa yo, kè yo apiye vè fè mal. Yo va pale manti youn ak lòt sou menm tab, men sa p ap reyisi, paske \x + \xo 11:27 \xo*\xt Dan 8:19 \xt*\x*fen an toujou gen pou vini nan lè apwente a. \v 28 Konsa, li va retounen nan sid, nan peyi li ak anpil piyaj. Men kè li va kont akò sen an, e li va pran desizyon retounen nan peyi li. \p \v 29 “Nan lè apwente a, li va retounen antre nan Sid la. Men nan fwa sa a, li p ap menm jan li te ye fwa avan an. \v 30 Paske bato a \x + \xo 11:30 \xo*\xt Jen 10:4 \xt*\x*Kittim yo va vini kont li. Akoz sa, li va vin gen chagren. Li va retounen byen anraje kont akò sen an, e li va aji. Konsa, li va retounen pran desizyon pou antann li ak sila ki vyole akò sen yo. \p \v 31 “Sòlda li yo va \x + \xo 11:31 \xo*\xt Dan 8:11-13\xt*\x* pwofane sanktyè a, fò a menm, e fè sakrifis nòmal la vin sispann. Konsa, yo va fè monte \x + \xo 11:31 \xo*\xt Dan 9:27 \xt*\x*abominasyon dezolasyon an. \v 32 Ak lèv flatè, li va sedwi sila ki vyole akò yo, men pèp ki konnen Bondye a va \x + \xo 11:32 \xo*\xt Mi 5:7-9 \xt*\x*kanpe fèm pou aji. \p \v 33 \x + \xo 11:33 \xo*\xt Mal 2:7\xt*\x*“Sila ki gen bon konprann pami pèp la va bay konesans a anpil moun. Malgre sa, yo va \x + \xo 11:33 \xo*\xt Mat 24:9 \xt*\x*tonbe pa nepe, pa dife, pa kaptivite e pa piyaj pandan anpil jou. \v 34 Alò, lè yo tonbe, yo va resevwa yon ti èd, men anpil lòt moun va vin jwenn ak yo an \x + \xo 11:34 \xo*\xt Dan 11:21-32 \xt*\x*ipokrizi. \v 35 Kèk nan sila ki gen bon konprann yo va tonbe pou yo ka rafine \x + \xo 11:35 \xo*\xt Jn 15:2\xt*\x*pirifye, e fè yo \x + \xo 11:35 \xo*\xt Rev 7:14 \xt*\x*blan, jis menm lè dènye tan an rive. Akoz li toujou gen pou vini nan lè apwente a. \p \v 36 “Konsa, wa a va fè sa li pito. Li va vin egzalte. Li va \x + \xo 11:36 \xo*\xt És 14:13\xt*\x*bay tèt li glwa pi wo pase tout dye yo, e li va \x + \xo 11:36 \xo*\xt Rev 13:5,6 \xt*\x*pale anpil bagay byen move kont Bondye a dye yo. Konsa, li va pwospere jiskaske endiyasyon an fini, paske dekrè ki pibliye a va akonpli. \v 37 Li p ap montre okenn respè pou dye a zansèt li yo, ni pou dezi fanm, ni li p ap gen respè pou okenn lòt dye. Paske li va leve tèt li ak glwa pi wo ke yo tout. \v 38 Men olye de sa, li va bay glwa a dye a fòterès yo. Yon dye ke zansèt li yo pa t konnen, li va bay glwa ak lò, ajan, pyè presye ak trezò. \v 39 Li va aji kont fòterès ki pi fò yo ak soutyen a yon dye etranje. Nenpòt moun ki rekonèt li, li va ogmante yo ak glwa, e li va fè yo domine sou anpil, e va divize teritwa a pou yon pri. \p \v 40 “Nan lè lafen an \x + \xo 11:40 \xo*\xt Dan 11:11\xt*\x*wa Sid la va atake li. \x + \xo 11:40 \xo*\xt Dan 11:7,13,15 \xt*\x*Wa Nò a va rive kont li ak cha, ak chevalye, e ak anpil bato. Epi li va antre nan peyi yo, debòde yo e pase anndan yo. \v 41 Anplis, li va antre nan Peyi Laglwa a, e anpil peyi va ranvèse. Men sila yo va delivre soti nan men li: Edom \x + \xo 11:41 \xo*\xt Jr 48:47\xt*\x*Moab, ak premye nan fis a \x + \xo 11:41 \xo*\xt Jr 49:6 \xt*\x*Ammon yo. \v 42 Anplis, li va lonje men li kont lòt peyi yo, e peyi Egypte la p ap chape. \v 43 Men li va pran kontwòl tout trezò kache ak lò, ajan ak tout bagay presye an Egypte yo. \x + \xo 11:43 \xo*\xt II Kwo 12:3\xt*\x*Libyen yo ak Etyopyen yo va swiv pye li yo. \v 44 Men rimè ki sòti nan Lès ak nan Nò va vin twouble li. Li va soti deyò ak gwo kòlè pou detwi e fè anpil disparèt nèt. \v 45 Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak \x + \xo 11:45 \xo*\xt És 11:9 \xt*\x*Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen. \c 12 \p \v 1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen \x + \xo 12:1 \xo*\xt Rev 7:14\xt*\x*yon tan gwo twoub \x + \xo 12:1 \xo*\xt Jr 30:7 \xt*\x*jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ke gen non ekri nan liv la. \v 2 \x + \xo 12:2 \xo*\xt És 26:19\xt*\x*Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, \x + \xo 12:2 \xo*\xt Mat 25:46 \xt*\x*yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. \v 3 Sila ki gen bon konprann yo va \x + \xo 12:3 \xo*\xt Jn 5:35\xt*\x*briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki \x + \xo 12:3 \xo*\xt És 53:11 \xt*\x*mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan. \v 4 Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e \x + \xo 12:4 \xo*\xt És 8:16\xt*\x*sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. \x + \xo 12:4 \xo*\xt És 11:9 \xt*\x*Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.” \p \v 5 Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a. \v 6 Konsa youn te di a mesye \x + \xo 12:6 \xo*\xt Éz 9:2\xt*\x*abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: \x + \xo 12:6 \xo*\xt Dan 8:13 \xt*\x*“Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?” \p \v 7 Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te \x + \xo 12:7 \xo*\xt Éz 20:5\xt*\x*leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ki li va pou \x + \xo 12:7 \xo*\xt Dan 7:25 \xt*\x*yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini. \p \v 8 Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?” \p \v 9 Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an. \v 10 Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann. \p \v 11 “Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a \x + \xo 12:11 \xo*\xt Dan 9:27 \xt*\x*abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou. \v 12 Beni se sila ki va tann, e rive jis nan \x + \xo 12:12 \xo*\xt Dan 8:14 \xt*\x*Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo. \p \v 13 “Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan \x + \xo 12:13 \xo*\xt És 57:2 \xt*\x*repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”