\id AMO \ide UTF-8 \h Amos \toc1 AMOS \toc2 Amos \toc3 Am \mt1 AMOS \c 1 \p \v 1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton \x + \xo 1:1 \xo*\xt II Sam 14:2; Za 14:5 \xt*\x*Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an. \v 2 Li te di: \q1 \x + \xo 1:2 \xo*\xt És 42:13\xt*\x*“SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. \q1 Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; \q1 epi patiraj a bèje yo va fè dèy, \q1 e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.” \p \v 3 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Akoz de \x + \xo 1:3 \xo*\xt Am 2:1,4,6\xt*\x*twa transgresyon a Damas yo, menm kat, \q1 mwen p ap retire pinisyon li; \q1 akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo. \q1 \v 4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël \q1 e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.\x + \xo 1:4 \xo*\xt I Wa 20:1\xt*\x* \q1 \v 5 Anplis, Mwen va \x + \xo 1:5 \xo*\xt Jr 51:30 \xt*\x*kase baryè an fè Damas la; \q1 Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan, \q1 ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden; \q1 epi pèp Syrie a va ale an egzil an \x + \xo 1:5 \xo*\xt II Wa 16:9\xt*\x*Kir,” \p di SENYÈ a. \p \v 6 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat, \q1 mwen p ap retire pinisyon an, \q1 akoz yo te depòte tout pèp la, \q1 pou \x + \xo 1:6 \xo*\xt Éz 35:5 \xt*\x*livre yo bay Édom. \q1 \v 7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a, \q1 epi li va devore sitadèl li yo nèt. \q1 \v 8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo, \q1 ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon. \q1 Mwen va tounen men mwen kont Ékron, \q1 epi retay a \x + \xo 1:8 \xo*\xt És 14:29-31\xt*\x*Filisten yo va peri,” \p di Senyè BONDYE a. \q1 \v 9 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat, \q1 mwen p ap retire pinisyon an, \q1 akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom, \q1 e yo pa t sonje akò \x + \xo 1:9 \xo*\xt I Wa 9:11-14 \xt*\x*fratènèl la. \q1 \v 10 Akoz sa, Mwen va \x + \xo 1:10 \xo*\xt Za 14:5\xt*\x*voye dife sou miray Tyr la, \q1 e li va devore sitadèl li yo.” \p \v 11 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; \q1 Mwen p ap retire pinisyon an, \q1 akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe \q1 e te refize gen pitye. \q1 Mekontantman li te dechire tout tan, \q1 e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.\x + \xo 1:11 \xo*\xt Nonb 20:14-21; És 57:16\xt*\x* \q1 \v 12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman, \q1 e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”\x + \xo 1:12 \xo*\xt Jr 49:7,20\xt*\x* \p \v 13 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; \q1 Mwen p ap retire pinisyon an, \q1 akoz yo te \x + \xo 1:13 \xo*\xt II Wa 15:16\xt*\x*chire vant fanm ansent Galaad yo \q1 pou \x + \xo 1:13 \xo*\xt És 5:8 \xt*\x*agrandi lizyè yo. \q1 \v 14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray \x + \xo 1:14 \xo*\xt Det 3:11\xt*\x*Rabba a. \q1 Li va devore sitadèl li yo nèt, \q1 nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la, \q1 nan mitan siklòn nan jou tanpèt la. \q1 \v 15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, \x + \xo 1:15 \xo*\xt Jr 49:3\xt*\x* li menm ansanm ak prens li yo,” \p di Senyè a. \c 2 \p \v 1 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat; \q1 Mwen p ap retire pinisyon an, \q1 akoz li te \x + \xo 2:1 \xo*\xt II Wa 3:26,27\xt*\x*brile zo a wa Édom nan \q1 pou l fè lacho. \q1 \v 2 Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab \q1 e li va devore sitadèl \x + \xo 2:2 \xo*\xt Jr 48:24,41\xt*\x*Kérijoth yo. \q1 Moab va mouri nan mitan gwo zen, \q1 kri lagè ak son a twonpèt. \q1 \v 3 Anplis, Mwen va koupe retire \x + \xo 2:3 \xo*\xt Sòm 2:10\xt*\x*jij la nan mitan yo, \q1 e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a. \p \v 4 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat, \q1 mwen p ap retire pinisyon an, \q1 akoz yo te \x + \xo 2:4 \xo*\xt Jij 2:17-20 \xt*\x*rejte lalwa SENYÈ a, \q1 e yo pa t kenbe règleman Li yo; \q1 \x + \xo 2:4 \xo*\xt És 9:15,16\xt*\x*manti yo te koz yo vin egare, \q1 dèyè sila menm papa zansèt yo te mache. \q1 \v 5 Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda, \q1 e li va devore palè a Jérusalem yo.”\x + \xo 2:5 \xo*\xt Jr 17:27\xt*\x* \p \v 6 Konsa pale SENYÈ a: \q1 “Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat, \q1 Mwen p ap retire pinisyon an; \q1 akoz yo te \x + \xo 2:6 \xo*\xt Jl 3:3\xt*\x*vann sila ki dwat yo pou lajan, \q1 e malere yo pou achte de grenn sapat. \q1 \v 7 Sila yo k ap foule tèt a malere a, \q1 jis pou l rive nan pousyè, \q1 k ap refi bay jistis a oprimen an. \q1 Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan \q1 pou yo ka pwofane non sen Mwen an. \q1 \v 8 Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl, \q1 sou vètman \x + \xo 2:8 \xo*\xt Egz 22:26\xt*\x*ki te pran kon garanti yo. \q1 Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan \q1 ki te bay pou peye amann yo. \q1 \v 9 Malgre sa, se te Mwen menm \q1 ki te detwi \x + \xo 2:9 \xo*\xt Nonb 21:23-25 \xt*\x*Amoreyen yo devan yo, \q1 malgre \x + \xo 2:9 \xo*\xt Nonb 13:32\xt*\x*wotè yo te tankou wotè a pye palmis \q1 e yo te gen fòs tankou bwadchenn. \q1 Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba. \b \q1 \v 10 “Se te Mwen menm ki te mennen nou \q1 monte soti peyi Égypte la. \q1 E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan \x + \xo 2:10 \xo*\xt Det 2:7\xt*\x*karantan, \q1 pou nou ta ka posede peyi \x + \xo 2:10 \xo*\xt Egz 3:8 \xt*\x*Amoreyen yo. \q1 \v 11 Mwen te \x + \xo 2:11 \xo*\xt Det 18:18 \xt*\x*fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt, \q1 e kèk nan jennonm nou yo kon \x + \xo 2:11 \xo*\xt Nonb 6:2,3\xt*\x*Nazareyen. \q1 Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a. \q1 \v 12 Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin, \q1 e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo: \q1 \x + \xo 2:12 \xo*\xt És 30:10 \xt*\x*“Pa pwofetize!” \q1 \v 13 Gade byen, Mwen \x + \xo 2:13 \xo*\xt És 1:14\xt*\x*va peze nou anba chaj, \q1 kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal. \q1 \v 14 \x + \xo 2:14 \xo*\xt És 30:16,17\xt*\x*Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la; \q1 Sila ki dyanm lan, \q1 p ap ka ranfòse fòs li, \q1 ni sila ki pwisan an, \q1 p ap ka delivre tèt li. \q1 \v 15 Ni sila ki \x + \xo 2:15 \xo*\xt Jr 51:56 \xt*\x*fò ak banza a, p ap ka kanpe. \q1 Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li. \q1 Sila ki konn monte \x + \xo 2:15 \xo*\xt És 31:3\xt*\x*cheval la p ap chape. \q1 \v 16 Menm pi brav pami gèrye yo \q1 va \x + \xo 2:16 \xo*\xt Jij 4:17\xt*\x*chape poul yo toutouni nan jou sa a”, \p di SENYÈ a. \c 3 \p \v 1 Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:\x + \xo 3:1 \xo*\xt Jr 8:3\xt*\x* \q1 \v 2 “Nou sèlman, Mwen te chwazi \q1 pami tout fanmi sou latè yo. \q1 Akoz sa, Mwen va \x + \xo 3:2 \xo*\xt Jr 14:10\xt*\x*pini nou \q1 pou tout inikite nou yo.” \q1 \v 3 Èske de mache ansanm, \q1 san yo pa antann yo? \q1 \v 4 Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa \q1 san ke li pa kaptire yon bagay? \q1 Èske yon jèn ti lyon \q1 ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen? \q1 \v 5 Èske yon zwazo ka kenbe \q1 nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale? \q1 Èske pèlen an ka vòltije sòti atè, \q1 san ke li gen yon bagay pou kenbe? \q1 \v 6 Èske twonpèt sone nan vil la, \q1 san pèp la p ap pè? \q1 Èske malè kon rive nan yon vil, \q1 san ke SENYÈ a ki fè l?\x + \xo 3:6 \xo*\xt És 14:24-27\xt*\x* \q1 \v 7 Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen, \q1 san Li pa \x + \xo 3:7 \xo*\xt Jen 6:13\xt*\x*aveti sèvitè li yo, pwofèt yo. \q1 \v 8 Yon lyon fin gwonde! \q1 Se kilès ki p ap pè? \q1 SENYÈ a fin pale! \q1 Se kilès ki ka refize pwofetize? \q1 \v 9 Pwoklame sou sitadèl Asdod yo, \q1 ak sitadèl peyi Égypte yo. \q1 Di yo konsa: \q1 Rasanble nou sou \x + \xo 3:9 \xo*\xt Am 4:1\xt*\x*mòn Samarie yo \q1 pou wè gwo zen ki anndan yo, \q1 ak \x + \xo 3:9 \xo*\xt Am 5:11 \xt*\x*opresyon ki nan mitan yo. \q1 \v 10 “Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, \q1 “sila yo k ap \x + \xo 3:10 \xo*\xt Hab 2:8-10\xt*\x*kache piyaj yo \q1 ak sa yo ranmase nan palè pa yo.” \p \v 11 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: \q1 “Yon \x + \xo 3:11 \xo*\xt Am 6:14\xt*\x*lènmi va ranvwaye peyi a. \q1 Li va rale desann barikad ou yo, \q1 epi\x + \xo 3:11 \xo*\xt Am 2:5 \xt*\x*sitadèl ou yo va piyaje.” \p \v 12 Konsa pale SENYÈ a: \q1 Menm jan bèje a \x + \xo 3:12 \xo*\xt I Sam 17:34-37\xt*\x*rache de janm \q1 soti nan bouch lyon an, \q1 oswa yon mòso zòrèy, \q1 konsa, fis Israël ki rete Samarie yo, \q1 alèz sou bèl mèb yo, \q1 ak kousen swa yo sou kabann nan, \q1 va vin chape. \p \v 13 “Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.\x + \xo 3:13 \xo*\xt Éz 2:7\xt*\x* \q1 \v 14 “Paske nan jou ke Mwen va vizite \q1 transgresyon Israël yo sou li, \q1 Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo. \q1 Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt. \q1 Yo va tonbe atè.\x + \xo 3:14 \xo*\xt II Wa 23:15\xt*\x* \q1 \v 15 Kay \x + \xo 3:15 \xo*\xt Jr 36:22 \xt*\x* sezon livè a, Mwen va frape \q1 ansanm avèk kay \x + \xo 3:15 \xo*\xt Jij 3:20\xt*\x* sezon lete a. \q1 Kay livwa yo va vin peri, \q1 e gran mezon yo p ap la ankò,” \p di Senyè a. \c 4 \p \v 1 Tande pawòl sa a, nou menm, vach \x + \xo 4:1 \xo*\xt Sòm 22:12 \xt*\x*Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!” \q1 \v 2 Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li, \q1 “Gade byen, jou yo ap vini sou nou, \q1 lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann, \q1 e dènye bout nan nou ak gaf pwason.\x + \xo 4:2 \xo*\xt És 37:29; Jr 16:16\xt*\x* \q1 \v 3 Nou va \x + \xo 4:3 \xo*\xt Jr 52:7\xt*\x*sòti atravè brèch miray yo, \q1 nou chak tou dwat devan li a, \q1 e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a. \q1 \v 4 “Antre nan Béthel pou fè peche; \q1 nan Guilgal pou miltipliye peche yo! \q1 \x + \xo 4:4 \xo*\xt Nonb 28:3\xt*\x*Pote sakrifis nou yo chak maten, \q1 dim nou yo chak twa jou. \q1 \v 5 Ofri yon \x + \xo 4:5 \xo*\xt Lev 7:13 \xt*\x*ofrann remèsiman, \q1 sitou sa ki gen ledven ladan, \q1 epi pwoklame \x + \xo 4:5 \xo*\xt Lev 22:18-21\xt*\x*ofrann bòn volonte yo. \q1 Fè l parèt wo pou moun wè! \q1 Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm, \q1 fis Israël yo,” deklare SENYÈ a. \q1 \v 6 “Men Mwen te bay nou anplis, \x + \xo 4:6 \xo*\xt És 3:1\xt*\x*dan netwaye \q1 nan tout vil nou yo, \q1 ak mank pen tout kote. \q1 Malgre sa, nou pa t retounen \q1 vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a. \q1 \v 7 Anplis de sa, Mwen te \x + \xo 4:7 \xo*\xt Det 11:17\xt*\x*fè lapli sispann \q1 pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la. \q1 Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil \q1 pandan Mwen te refize li nan yon lòt. \q1 Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t \q1 resevwa lapli a te seche. \q1 \v 8 Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan \q1 yon lòt pou bwè \x + \xo 4:8 \xo*\xt I Wa 18:5 \xt*\x*dlo, men yo pa t satisfè; \q1 malgre sa, nou \x + \xo 4:8 \xo*\xt Jr 3:7\xt*\x*pa t retounen vin jwenn Mwen, \q1 deklare SENYÈ a. \q1 \v 9 Mwen te \x + \xo 4:9 \xo*\xt Det 28:22 \xt*\x*frape nou ak van cho, ak lakanni; \q1 epi \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jl 1:4,7\xt*\x*cheni te devore jaden ak chan \q1 rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo. \q1 Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” \q1 deklare SENYÈ a. \q1 \v 10 “Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou, \q1 tankou sa ki te konn rive an Égypte yo. \q1 Mwen te \x + \xo 4:10 \xo*\xt Jr 11:22 \xt*\x*touye jenn mesye nou yo ak nepe, \q1 e te retire cheval nou yo. \q1 E Mwen te fè \x + \xo 4:10 \xo*\xt Jl 2:20\xt*\x*movèz odè kan ou \q1 monte antre nan nen nou. \q1 Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” \q1 deklare SENYÈ a. \q1 \v 11 “Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt, \q1 jan \x + \xo 4:11 \xo*\xt Jen 19:24,25; So 3:2\xt*\x*Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe. \q1 Nou te tankou yon bout bwa byen cho \q1 ki te rache soti nan dife; \q1 malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a. \q1 \v 12 “Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël! \q1 Paske se sa Mwen va fè ou; \q1 prepare pou \x + \xo 4:12 \xo*\xt És 32:11 \xt*\x*rankontre Bondye ou a, O Israël. \q1 \v 13 Paske gade byen, Sila ki \x + \xo 4:13 \xo*\xt Job 38:4-7 \xt*\x*fòme mòn yo, \q1 ki kreye van an, \q1 e ki \x + \xo 4:13 \xo*\xt Dan 2:28,30\xt*\x*deklare a lòm tout refleksyon li yo; \q1 sila ki fè jou leve nan fènwa a, \q1 e ki foule wo plas sou latè yo; \q1 SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.” \c 5 \p \v 1 Tande pawòl sa ke m reprann pou nou kon yon chan; Yon plent konsi, pou sila ki mouri deja yo, O lakay Israël:\x + \xo 5:1 \xo*\xt Jr 7:29\xt*\x* \q1 \v 2 Li fin tonbe, li p ap leve ankò— \q1 \x + \xo 5:2 \xo*\xt Jr 14:17\xt*\x*Vyèj Israël la. \q1 Li kouche byen neglije sou tèren li; \q1 \x + \xo 5:2 \xo*\xt És 51:18 \xt*\x*nanpwen moun ki pou leve l. \p \v 3 Paske, konsa pale Senyè BONDYE a: \q1 “Vil ki te gen mil sòlda soti, \q1 va gen \x + \xo 5:3 \xo*\xt És 6:13 \xt*\x*san ki rete, \q1 e sila ki gen san ki ale yo, \q1 va gen \x + \xo 5:3 \xo*\xt Am 6:9\xt*\x*dis ki rete pou lakay Israël.” \p \v 4 Paske, konsa pale SENYÈ a a lakay Israël: \q1 \x + \xo 5:4 \xo*\xt Det 4:29\xt*\x*“Chache Mwen \x + \xo 5:4 \xo*\xt És 55:3 \xt*\x*pou nou ka viv. \q1 \v 5 Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal, \q1 ni travèse Beer-Schéba. \q1 Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite \q1 e gwo twoub va rive Béthel.\x + \xo 5:5 \xo*\xt I Wa 12:28,29\xt*\x* \q1 \v 6 \x + \xo 5:6 \xo*\xt És 55:3,6,7 \xt*\x*Chache SENYÈ a pou nou ka viv, \q1 sinon Li va eklate kon \x + \xo 5:6 \xo*\xt Det 4:24\xt*\x*dife \q1 nan lakay Joseph, \q1 e li va devore san pa gen okenn moun \q1 ki pou etenn li Béthel. \q1 \v 7 Nou menm ki fè \x + \xo 5:7 \xo*\xt Am 2:3\xt*\x*jistis vin tounen lanvè, \q1 e ki jete ladwati rive jis atè yo, \q1 \v 8 Chache Li ki te kreye \x + \xo 5:8 \xo*\xt Job 9:9 \xt*\x*Pléiades ak Orion yo, \q1 ki \x + \xo 5:8 \xo*\xt Job 12:22\xt*\x*chanje gwo fènwa yo pou vin tounen maten, \q1 ki etenn lajounen pou fè lannwit, \q1 ki rele dlo lanmè yo e vide sou sifas tè a; \q1 SENYÈ a, se non L. \q1 \v 9 Se Li menm ki jayi ak destriksyon \q1 sou moun pwisan yo, \q1 jiskaske \x + \xo 5:9 \xo*\xt Mi 5:11 \xt*\x*destriksyon sa a rive sou sitadèl la. \q1 \v 10 Yo rayi sila k ap \x + \xo 5:10 \xo*\xt És 29:21\xt*\x*reprimande nan pòtay la \q1 ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a. \q1 \v 11 Konsa, akoz nou foule malere a, \q1 e egzije taks nan blè sou li, \q1 akoz nou fin bati bèl \x + \xo 5:11 \xo*\xt Am 3:15\xt*\x*kay ak wòch byen taye, \q1 malgre nou pa menm rete nan yo, \q1 konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo, \q1 men nou \x + \xo 5:11 \xo*\xt Mi 6:15 \xt*\x*p ap bwè diven yo. \q1 \v 12 Paske Mwen konnen transgresyon nou yo \q1 vin anpil e peche nou yo vin gran; \q1 nou menm ki \x + \xo 5:12 \xo*\xt És 1:23\xt*\x*boulvèse moun dwat yo, \q1 ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo, \q1 e ki detounen malere a nan pòtay la. \q1 \v 13 Alò nan yon tan konsa, \q1 sila ki saj la oblije rete an silans, \q1 paske tan an vin plen ak mechanste.\x + \xo 5:13 \xo*\xt Ekl 3:7\xt*\x* \q1 \v 14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal, \q1 pou nou ka viv; \q1 epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou, \q1 jis jan nou te pale a!\x + \xo 5:14 \xo*\xt Mi 3:11\xt*\x* \q1 \v 15 Rayi mal e renmen sa ki bon, \q1 e etabli jistis nan pòtay la! \q1 Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo \q1 ka fè gras a retay Joseph la.”\x + \xo 5:15 \xo*\xt Sòm 97:10\xt*\x* \p \v 16 Alò, SENYÈ Bondye dèzame yo, Senyè a di : \q1 “Va gen gwo lamantasyon tout kote \q1 e nan lari a, yo va rele: ‘Elas! Elas!’ \q1 Yo va rele kiltivatè a pou fè dèy, \q1 yo va peye moun pou l fè lamantasyon.\x + \xo 5:16 \xo*\xt Jr 9:10,18-20\xt*\x* \q1 \v 17 Epi nan \x + \xo 5:17 \xo*\xt És 16:10\xt*\x* tout chan rezen yo, va gen gwo kri, \q1 paske Mwen va pase nan mitan nou”, \q1 di SENYÈ a. \q1 \v 18 Elas pou nou menm ki anvi wè \x + \xo 5:18 \xo*\xt És 5:19\xt*\x*jou SENYÈ a! \q1 Pouki sa nou lanvi we jou SENYÈ a? \q1 Li va yon jou \x + \xo 5:18 \xo*\xt Jl 2:2 \xt*\x*tenèb olye limyè. \q1 \v 19 Tankou lè yon nonm \x + \xo 5:19 \xo*\xt Job 20:24\xt*\x*kouri kite yon lyon pou l \q1 rakontre yon lous; \q1 oswa pou l rive lakay li, \q1 apiye men l sou mi kay la, \q1 pou yon koulèv vin mòde l. \q1 \v 20 Èske jou SENYÈ a p ap yon jou \x + \xo 5:20 \xo*\xt És 13:10 \xt*\x*tenèb \q1 olye de limyè a, fènwa a menm san klate ladann? \q1 \v 21 Mwen rayi, Mwen va \x + \xo 5:21 \xo*\xt És 1:11-16; Lev 26:31\xt*\x*refize aksepte fèt nou yo, \q1 ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo. \q1 \v 22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal, \q1 Mwen p ap aksepte yo; \q1 ni Mwen p ap menm gade \x + \xo 5:22 \xo*\xt Lev 7:11-15\xt*\x*ofrann lapè a \q1 bèt gra nou yo. \q1 \v 23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo; \q1 Mwen p ap menm koute son a ap nou yo. \q1 \v 24 Men kite jistis koule desann tankou dlo, \q1 e ladwati tankou yon gwo larivyè, \p \v 25 \x + \xo 5:25 \xo*\xt Det 32:17 \xt*\x*Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël? \v 26 Anplis \x + \xo 5:26 \xo*\xt Trav 7:43 \xt*\x*nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo. \v 27 “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo. \c 6 \p \v 1 Malè a sila ki alèz nan Sion yo, \q1 e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo, \q1 \x + \xo 6:1 \xo*\xt Egz 19:5\xt*\x*mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo, \q1 a sila lakay Israël konn vini yo. \q1 \v 2 Ale janbe kote \x + \xo 6:2 \xo*\xt Jen 10:10\xt*\x*Calné pou gade. \q1 Soti la rive Hamath Gran an, \q1 pou desann kote Gath de Filisten yo. \q1 Èske yo pi bon ke wayòm sila yo? \q1 Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an? \q1 \v 3 Malè a nou ki konn \x + \xo 6:3 \xo*\xt És 56:12\xt*\x*ranvoye jou malè! \q1 Ka pote sant vyolans lan vin pi pre! \q1 \v 4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo, \q1 k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo, \q1 e k ap \x + \xo 6:4 \xo*\xt Éz 34:2,3\xt*\x*manje jenn mouton ki soti nan pak la, \q1 ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la; \q1 \v 5 sila ki enpwovize ak son ap la, \q1 ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David; \q1 \v 6 Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo \q1 onksyone kò yo ak pi bon lwil yo, \q1 malgre sa, yo pa \x + \xo 6:6 \xo*\xt Éz 9:4\xt*\x*kriye pou Joseph, \q1 ki fin devaste nèt la. \q1 \v 7 Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo. \q1 Banbòch a sanzave yo va sispann.\x + \xo 6:7 \xo*\xt És 13:10; Am 7:11,17\xt*\x* \q1 \v 8 Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, \q1 SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: \q1 “Mwen rayi awogans a Jacob la, \q1 e Mwen deteste sitadèl li yo. \q1 Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”\x + \xo 6:8 \xo*\xt És 13:10; Lev 26:30\xt*\x* \q1 \v 9 Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete \q1 nan yon kay, yo va mouri. \p \v 10 Alò tonton a youn, oswa \x + \xo 6:10 \xo*\xt I Sam 31:12 \xt*\x*mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a \x + \xo 6:10 \xo*\xt Jr 44:26\xt*\x*pa dwe nonmen menm.” \b \q1 \v 11 “Paske gade byen, SENYÈ a pral \x + \xo 6:11 \xo*\xt És 55:11 \xt*\x*kòmande \q1 \x + \xo 6:11 \xo*\xt II Wa 25:9\xt*\x* pou gwo lakay la vin kraze nèt, \q1 e ti kay la an ti mòso. \q1 \v 12 Èske cheval konn kouri sou wòch, \q1 oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf? \q1 Konsa, nou te fè \x + \xo 6:12 \xo*\xt I Wa 21:7-13\xt*\x*Lajistis vin tounen pwazon \q1 e fwi ladwati vin anmè nèt. \q1 \v 13 Nou menm k ap rejwi nan yon \x + \xo 6:13 \xo*\xt Job 8:14,15\xt*\x*bagay ki pa anyen, \q1 epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj \q1 nou nou rive pran kòn nan pou nou?’ \q1 \v 14 Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon \q1 kont nou, O lakay Israël,” \q1 deklare SENYÈ Bondye dèzame yo; \q1 “e yo va aflije nou soti nan antre Hamath \q1 pou rive jis nan flèv Araba a.” \c 7 \p \v 1 Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo \x + \xo 7:1 \xo*\xt Jl 1:4 \xt*\x*rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la. \v 2 Epi li te vin rive lè li te \x + \xo 7:2 \xo*\xt Egz 10:15\xt*\x*fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman \x + \xo 7:2 \xo*\xt És 37:4 \xt*\x*piti!” \p \v 3 SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.\x + \xo 7:3 \xo*\xt És 13:10; Det 32:36\xt*\x* \p \v 4 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak \x + \xo 7:4 \xo*\xt Det 32:22 \xt*\x*dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan. \v 5 Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! \x + \xo 7:5 \xo*\xt Am 7:2 \xt*\x*Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!” \p \v 6 SENYÈ a te \x + \xo 7:6 \xo*\xt Sòm 106:45 \xt*\x*repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di. \p \v 7 Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L. \v 8 SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?” \p Mwen te di: “Yon filaplon.” \p Konsa, Senyè a te di: “Gade byen, Mwen prèt pou plase yon \x + \xo 7:8 \xo*\xt II Wa 21:13\xt*\x*filaplon nan mitan pèp Mwen an, Israël. Mwen p ap \x + \xo 7:8 \xo*\xt Jr 15:6 \xt*\x*kite yo chape ankò. \v 9 \x + \xo 7:9 \xo*\xt Jen 46:1\xt*\x*Wo plas Isaac yo va vin abandone, e \x + \xo 7:9 \xo*\xt Lev 26:31 \xt*\x*sanktyè Israël yo va vin kraze nèt. Answit, Mwen va leve kont lakay Jéroboam ak nepe.” \p \v 10 Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te \x + \xo 7:10 \xo*\xt Jr 26:8-11 \xt*\x*fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo. \v 11 Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’” \p \v 12 Amatsia te di a Amos: \x + \xo 7:12 \xo*\xt Mat 8:34 \xt*\x*“Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la! \v 13 Men \x + \xo 7:13 \xo*\xt Am 2:12\xt*\x*pa pwofetize nan Béthel, paske se \x + \xo 7:13 \xo*\xt I Wa 12:29,32 \xt*\x*sanktyè ak rezidans la a wa a!” \p \v 14 Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans.\x + \xo 7:14 \xo*\xt I Wa 20:35\xt*\x* \v 15 Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale \x + \xo 7:15 \xo*\xt Jr 1:7 \xt*\x*pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’ \v 16 Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, \x + \xo 7:16 \xo*\xt Det 32:2 \xt*\x*ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’ \v 17 Akoz sa, SENYÈ a di: \x + \xo 7:17 \xo*\xt Os 4:13,14\xt*\x*‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, \x + \xo 7:17 \xo*\xt Jr 14:16 \xt*\x*fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’” \c 8 \p \v 1 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon. \p \v 2 Li te di: “Kisa ou wè, Amos?” \p Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.” \p Konsa, SENYÈ a te di mwen: \q1 \x + \xo 8:2 \xo*\xt Éz 7:2,3,6\xt*\x*“Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël. \q1 Mwen p ap \x + \xo 8:2 \xo*\xt Am 7:8 \xt*\x*pwoteje yo ankò. \q1 \v 3 Kantik a tanp la va tounen chan lamantasyon \q1 nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. \q1 \x + \xo 8:3 \xo*\xt Am 6:8-10\xt*\x*“Kadav yo va anpil. \q1 Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans. \q1 \v 4 Tande sa, nou menm k ap \x + \xo 8:4 \xo*\xt Sòm 14:4\xt*\x* vale malere yo nèt, \q1 pou mete fen a tout pòv yo, \q1 \v 5 ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini \q1 pou nou ka vann sereyal la? \q1 Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a? \q1 N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo. \q1 Anplis, n ap \x + \xo 8:5 \xo*\xt Os 12:7 \xt*\x*twonpe ak balans malonèt, \q1 \v 6 pou \x + \xo 8:6 \xo*\xt Am 2:6\xt*\x*achte sila ki san sekou a pou lajan, \q1 ak malere a pou de grenn sapat. \q1 Menm balizaj ble a n ap vann!’” \q1 \v 7 SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la: \q1 “Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.\x + \xo 8:7 \xo*\xt És 13:10; Sòm 10:11\xt*\x* \q1 \v 8 Akoz sa, èske peyi a p ap \x + \xo 8:8 \xo*\xt Sòm 18:7 \xt*\x*pran tranble, \q1 e tout moun ki rete ladann p ap \x + \xo 8:8 \xo*\xt Os 4:3\xt*\x* fè lamantasyon? \q1 Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil la. \q1 Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la. \q1 \v 9 Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, \q1 ke Mwen va fè \x + \xo 8:9 \xo*\xt Job 5:14\xt*\x*solèy la desann a midi, \q1 e mwen va \x + \xo 8:9 \xo*\xt És 59:9,10 \xt*\x*fè tè a nan fènwa nan plen jounen. \q1 \v 10 Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; \q1 tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. \q1 Mwen va fè nou pote \x + \xo 8:10 \xo*\xt És 15:2,3 \xt*\x*twal sak sou senti a tout moun, \q1 ak tèt chòv sou tout tèt. \q1 Mwen va fè li \x + \xo 8:10 \xo*\xt Jr 6:26\xt*\x*tankou yon moman dèy \q1 pou yon sèl fis inik, \q1 e lafen li tankou yon jou anmè. \q1 \v 11 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a, \q1 “lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a, \q1 pa yon grangou pou pen oswa pou dlo, \q1 men \x + \xo 8:11 \xo*\xt I Sam 3:1\xt*\x*pou koute pawòl SENYÈ a. \q1 \v 12 Pèp la va kilbite tou egare \q1 sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè, \q1 e sòti nan nò pou rive menm nan lès; \q1 yo va gaye toupatou pou \x + \xo 8:12 \xo*\xt Éz 20:3,31\xt*\x*chache pawòl SENYÈ a, \q1 men yo p ap jwenn li. \q1 \v 13 Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo \q1 ak jennonm yo va \x + \xo 8:13 \xo*\xt És 41:17 \xt*\x*vin endispoze akoz swaf la. \q1 \v 14 Menm jan pou sila ki sèmante pa \x + \xo 8:14 \xo*\xt Os 8:5 \xt*\x*peche Samarie a, \q1 ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O \x + \xo 8:14 \xo*\xt I Wa 12:28,29\xt*\x*Dan!’ \q1 e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; \q1 yo va tonbe e yo p ap leve ankò.” \c 9 \p \v 1 Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va \x + \xo 9:1 \xo*\xt Am 7:17\xt*\x*touye rès yo ak nepe. Yo \x + \xo 9:1 \xo*\xt Jr 11:11 \xt*\x*p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape. \v 2 Menmsi yo ta fouye antre nan \x + \xo 9:2 \xo*\xt Sòm 139:8\xt*\x*sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo \x + \xo 9:2 \xo*\xt Jr 51:53 \xt*\x*monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann. \v 3 Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va \x + \xo 9:3 \xo*\xt Jr 16:16\xt*\x*chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande \x + \xo 9:3 \xo*\xt És 27:1 \xt*\x*sèpan an, e li va mòde yo. \v 4 Menmsi yo antre an \x + \xo 9:4 \xo*\xt Lev 26:33 \xt*\x*kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen. \v 5 Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki \x + \xo 9:5 \xo*\xt Sòm 104:32\xt*\x*touche tè a pou li fann, e \x + \xo 9:5 \xo*\xt Am 8:8 \xt*\x*tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la. \v 6 Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.\x + \xo 9:6 \xo*\xt És 13:10; Sòm 104:3,13\xt*\x* \v 7 Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak \x + \xo 9:7 \xo*\xt Det 2:23 \xt*\x*Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir? \v 8 Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan \x + \xo 9:8 \xo*\xt Jr 5:10 \xt*\x*Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a. \v 9 “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va \x + \xo 9:9 \xo*\xt És 30:28 \xt*\x*souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè. \v 10 Tout \x + \xo 9:10 \xo*\xt És 33:14 \xt*\x*pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: \x + \xo 9:10 \xo*\xt Am 6:3 \xt*\x*‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’ \v 11 Nan jou sa a, Mwen va \x + \xo 9:11 \xo*\xt Trav 15:16-18\xt*\x*fè leve \x + \xo 9:11 \xo*\xt És 16:5 \xt*\x*Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo; \v 12 \x + \xo 9:12 \xo*\xt Ab 19\xt*\x*pou yo kapab vin posede retay \x + \xo 9:12 \xo*\xt Nonb 24:18 \xt*\x*Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a. \q1 \v 13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare \q1 SENYÈ a, \q1 “lè \x + \xo 9:13 \xo*\xt Lev 26:5 \xt*\x*sila k ap raboure a va depase sila \q1 k ap rekòlte a, \q1 e sila k ap foule rezen an va depase \q1 sila k ap simen grenn nan; \q1 lè \x + \xo 9:13 \xo*\xt Jl 3:18\xt*\x*mòn yo va degoute diven dous e \q1 tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li. \q1 \v 14 Anplis, Mwen va \x + \xo 9:14 \xo*\xt Sòm 53:6 \xt*\x*restore pèp Mwen an, \q1 Israël, ki an kaptivite a, \q1 e yo va \x + \xo 9:14 \xo*\xt És 61:4\xt*\x*rebati vil ki kraze nèt yo \q1 pou yo viv ladan yo. \q1 Anplis, yo va plante chan rezen yo \q1 pou bwè diven yo; \q1 epi fè jaden pou manje fwi yo. \q1 \v 15 Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo, \q1 e \x + \xo 9:15 \xo*\xt És 60:21\xt*\x*yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi \q1 ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a, \q1 Bondye Ou a.