\id ACT \ide UTF-8 \h Travay \toc1 TRAVAY APÒT YO \toc2 Travay \toc3 Trav \mt1 TRAVAY APÒT YO (ZÈV APÒT YO) \c 1 \p \v 1 Premye istwa ke m te ekri a, chè \x + \xo 1:1 \xo*\xt Luc 1:3\xt*\x*Théophile, sou tout bagay ke Jésus te \x + \xo 1:1 \xo*\xt Luc 3:23\xt*\x*kòmanse fè ak enstwi yo, \v 2 jis rive jou lè Li te monte nan syèl la \x + \xo 1:2 \xo*\xt Mat 28:19\xt*\x*apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo. \v 3 A sila yo osi \x + \xo 1:3 \xo*\xt Mat 28:17\xt*\x*Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la. \p \v 4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: \x + \xo 1:4 \xo*\xt Luc 24:49\xt*\x*\wj “Pa kite Jérusalem, men tann\wj* \x + \xo 1:4 \xo*\xt Jn 14:24\xt*\x*\wj sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan.\wj* \v 5 \wj Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an\wj* \x + \xo 1:5 \xo*\xt Trav 2:1-4\xt*\x*\wj pa a anpil jou de kounye a.” \wj* \p \v 6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè \x + \xo 1:6 \xo*\xt Mat 17:11\xt*\x*èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?” \p \v 7 Li te di yo: \wj “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke\wj* \x + \xo 1:7 \xo*\xt Mat 24:36\xt*\x*\wj Papa a gen tan fikse pa otorite pa L. \wj* \v 8 \wj Men Nou va resevwa pouvwa lè\wj* \x + \xo 1:8 \xo*\xt Trav 2:1-4\xt*\x*\wj Lespri Sen an vini sou nou. Nou va \wj*\x + \xo 1:8 \xo*\xt Luc 24:48\xt*\x*\wj temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.” \wj* \p \v 9 Lè Li te fin di bagay sa yo \x + \xo 1:9 \xo*\xt Luc 24:50,51\xt*\x*Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li. \p \v 10 Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala \x + \xo 1:10 \xo*\xt Luc 24:4\xt*\x*de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; \v 11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va \x + \xo 1:11 \xo*\xt Mat 16:27\xt*\x*vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”. \p \v 12 Alò, yo te \x + \xo 1:12 \xo*\xt Luc 24:52\xt*\x*retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba. \v 13 Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan \x + \xo 1:13 \xo*\xt Mc 14:15\xt*\x*chanm anlè kote yo t ap rete a; \x + \xo 1:13 \xo*\xt Mat 10:2-4\xt*\x*sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la. \v 14 Sa yo avèk yon sèl panse yo \x + \xo 1:14 \xo*\xt Trav 2:42\xt*\x*t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo. \p \v 15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di: \v 16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas \x + \xo 1:16 \xo*\xt Mat 26:47\xt*\x*ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo. \v 17 Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan \x + \xo 1:17 \xo*\xt Trav 1:25\xt*\x*èv sila a. \p \v 18 “Alò mesye sila te vin \x + \xo 1:18 \xo*\xt Mat 27:3-10\xt*\x*achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti. \v 19 Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke \x + \xo 1:19 \xo*\xt Mat 27:8\xt*\x*nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an. \p \v 20 “Paske sa ekri nan liv Sòm Yo: \x + \xo 1:20 \xo*\xt Sòm 69:25\xt*\x* \q1 ‘Kite kote li rete a vin devaste; \q1 e pa kite pèsòn rete ladan l’; \q1 \x + \xo 1:20 \xo*\xt Sòm 109:8\xt*\x*‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’. \x + \xo 1:20 \xo*\xt Sòm 109:8\xt*\x* \p \v 21 “Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke \x + \xo 1:21 \xo*\xt Luc 24:3\xt*\x*Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo, \v 22 kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlève soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.” \p \v 23 Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak \x + \xo 1:23 \xo*\xt Trav 1:26\xt*\x*Matthias. \v 24 Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè \x + \xo 1:24 \xo*\xt Mat 3:16\xt*\x*ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a, \v 25 pou okipe èv \x + \xo 1:25 \xo*\xt Wo 1:5\xt*\x*apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.” \p \v 26 Yo te \x + \xo 1:26 \xo*\xt Lev 16:8\xt*\x*fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo. \c 2 \p \v 1 Lè \x + \xo 2:1 \xo*\xt Lev 23:15\xt*\x*jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas. \v 2 Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli \x + \xo 2:2 \xo*\xt Trav 4:31\xt*\x*tout kay kote yo te chita a. \v 3 Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak. \v 4 Yo tout te vin \x + \xo 2:4 \xo*\xt Trav 4:8,31\xt*\x*ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse \x + \xo 2:4 \xo*\xt I Kwo 12:1\xt*\x*pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime. \p \v 5 Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; \x + \xo 2:5 \xo*\xt Luc 2:25\xt*\x*lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la. \v 6 Konsa, lè \x + \xo 2:6 \xo*\xt Trav 2:2\xt*\x*bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo. \p \v 7 Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa \x + \xo 2:7 \xo*\xt Mat 26:73\xt*\x*Galileyen? \v 8 E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou? \v 9 Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo \x + \xo 2:9 \xo*\xt Trav 18:2\xt*\x*Pont ak \x + \xo 2:9 \xo*\xt Trav 6:9\xt*\x*Asie yo \v 10 Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak teritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo, \x + \xo 2:10 \xo*\xt Mat 23:15\xt*\x* \v 11 Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!” \p \v 12 \x + \xo 2:12 \xo*\xt Trav 2:7\xt*\x*Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?” \p \v 13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”. \p \v 14 Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk \x + \xo 2:14 \xo*\xt Trav 1:26\xt*\x*onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen. \v 15 Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a \x + \xo 2:15 \xo*\xt I Tes 5:7\xt*\x*paske se sèlman twazyèm è nan jounen an. \v 16 Men sa ki te pale pa pwofèt Joël la: \q1 \v 17 \x + \xo 2:17 \xo*\xt Jl 2:28-32\xt*\x*‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di: \q1 Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite. \q1 Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, \q1 Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo, \q1 e granmoun nou yo va fè rèv. \q1 \v 18 Menm sou sèvitè Mwen yo; ni fi, ni gason, \q1 nan jou sa yo Mwen va vide Lespri Mwen, \q1 e yo va pwofetize. \q1 \v 19 Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la, \q1 ak sign anba sou latè; \q1 san avèk dife, avèk vapè lafimen. \q1 \v 20 Solèy la va vin nwa, e lalin nan va tounen san, \q1 avan gran jou mèvèy Senyè a vini. \p \v 21 E li va rive ke \x + \xo 2:21 \xo*\xt Wo 10:13\xt*\x*tout moun \q1 ki rele Non Senyè a va sove.’ \p \v 22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: \x + \xo 2:22 \xo*\xt Trav 3:6\xt*\x*Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, \v 23 nonm sila a, livre selon plan ak \x + \xo 2:23 \xo*\xt Luc 22:22\xt*\x*avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. \v 24 Men \x + \xo 2:24 \xo*\xt Mat 28:5,6\xt*\x*Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L. \p \v 25 ‘Paske David te di sou Li: \q1 \x + \xo 2:25 \xo*\xt Sòm 16:8-11\xt*\x*‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an; \q1 paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”. \q1 \v 26 Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj. \q1 Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa, \q1 \v 27 paske \x + \xo 2:27 \xo*\xt Trav 2:31\xt*\x*Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo, \q1 ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an. \q1 \v 28 Ou fè m konnen chemen lavi yo; \q1 Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’ \p \v 29 “Frè m yo, mwen kapab di nou avèk konfyans selon zansèt nou David, ke li te mouri, li te \x + \xo 2:29 \xo*\xt I Wa 2:10\xt*\x*antere, e ke tonm li la avèk nou jiska jodi a. \v 30 Konsa, akoz ke li David te yon pwofèt, e te konnen ke \x + \xo 2:30 \xo*\xt Sòm 132:11\xt*\x*Bondye te sèmante a li menm yon pwomès pou fè youn nan desandan li yo chita sou twòn li an, \v 31 li te gade pi lwen e te pale sou rezirèksyon Kris la \x + \xo 2:31 \xo*\xt Mat 11:23\xt*\x*ke ‘Li pa t ni abandone nan sejou mò yo, ni kite chè L dekonpoze.’ \v 32 Jésus sila \x + \xo 2:32 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*Bondye te fè leve ankò a, de sa, nou tout te temwen. \p \v 33 “Konsa, akoz Li te leve wo rive kote \x + \xo 2:33 \xo*\xt Trav 5:31\xt*\x*men dwat Bondye, e \x + \xo 2:33 \xo*\xt Trav 1:4\xt*\x*te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a. \p \v 34 “Paske se pa t David ki te monte nan syèl la, men se te li menm ki di: \q1 \x + \xo 2:34 \xo*\xt Sòm 110:1\xt*\x*‘SENYÈ a te di a Senyè m nan, chita bò dwat Mwen \q1 \v 35 Jiskaske M fè lènmi ou yo vin yon ti ban pou mete pye ou.’ \p \v 36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni \x + \xo 2:36 \xo*\xt Luc 2:11\xt*\x*Senyè, ni \x + \xo 2:36 \xo*\xt Trav 2:23\xt*\x*Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.” \p \v 37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo \x + \xo 2:37 \xo*\xt Luc 3:10,14,15\xt*\x*kisa pou nou ta fè?” \p \v 38 Pierre te di yo: \x + \xo 2:38 \xo*\xt Mc 1:15\xt*\x*“Repanti e ke chak en de nou vin \x + \xo 2:38 \xo*\xt Trav 8:12,16\xt*\x*batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. \v 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.” \p \v 40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de \x + \xo 2:40 \xo*\xt Det 32:5\xt*\x*jenerasyon moun mechan sila a!” \p \v 41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil \x + \xo 2:41 \xo*\xt Trav 3:23\xt*\x*nanm. \v 42 Yo te \x + \xo 2:42 \xo*\xt Trav 1:14\xt*\x*toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, \x + \xo 2:42 \xo*\xt Luc 24:30\xt*\x*nan kase pen, ak lapriyè. \p \v 43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil \x + \xo 2:43 \xo*\xt Trav 2:22\xt*\x*mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo. \p \v 44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e \x + \xo 2:44 \xo*\xt Trav 4:32,37\xt*\x*te mete tout byen yo ansanm: \v 45 Yo te \x + \xo 2:45 \xo*\xt Mat 19:21\xt*\x*vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. \v 46 \x + \xo 2:46 \xo*\xt Trav 5:42\xt*\x*De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. \v 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te \x + \xo 2:47 \xo*\xt Trav 5:14\xt*\x*gen bon relasyon avèk tout moun yo. \p Bondye te \x + \xo 2:47 \xo*\xt Trav 2:41\xt*\x*ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo. \c 3 \p \v 1 Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè \x + \xo 3:1 \xo*\xt Sòm 55:17\xt*\x*nevyèm è, lè lapriyè. \p \v 2 Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo \x + \xo 3:2 \xo*\xt Luc 16:20\xt*\x*te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo. \v 3 Lè l te wè \x + \xo 3:3 \xo*\xt Luc 22:8\xt*\x*Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite. \p \v 4 Pierre te \x + \xo 3:4 \xo*\xt Trav 10:4\xt*\x*fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!” \p \v 5 Konsa, li te kòmanse koute yo, anatandan pou yo bay li yon kichòy. \p \v 6 Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. \x + \xo 3:6 \xo*\xt Trav 2:22\xt*\x*Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!” \v 7 Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs. \p \v 8 Konsa \x + \xo 3:8 \xo*\xt Trav 14:10\xt*\x*li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye. \p \v 9 \x + \xo 3:9 \xo*\xt Trav 4:16\xt*\x*Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj. \v 10 Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan \x + \xo 3:10 \xo*\xt Jn 9:8\xt*\x*nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la. \p \v 11 Pandan li t ap kenbe sou Pierre ak Jean, tout moun, byen etone, te kouri bò kote yo nan \x + \xo 3:11 \xo*\xt Jn 10:23\xt*\x*pòtay yo rele Salomon an. \p \v 12 Lè Pierre te wè sa, li te reponn a pèp la: “Moun Israël yo, poukisa nou sezi de sa oubyen poukisa nou fikse nou konsa, kòmsi se pa pwòp pouvwa nou oubyen sentete nou ke nou te fè l mache a? \p \v 13 “Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a \x + \xo 3:13 \xo*\xt Trav 3:26\xt*\x*sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L. \p \v 14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te \x + \xo 3:14 \xo*\xt Mat 27:20\xt*\x*mande yo livre bannou yon asasen, \v 15 e te touye Prens Lavi a, sila menm ke \x + \xo 3:15 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*Bondye te fè leve soti nan lanmò a, de sila, nou te \x + \xo 3:15 \xo*\xt Luc 24:48\xt*\x*temwen. \p \v 16 “Konsa, sou baz \x + \xo 3:16 \xo*\xt Trav 3:6\xt*\x*lafwa nan non Li, se non Jésus ki bay mesye sa a, ke nou wè e konnen an, fòs. Wi, se lafwa ki sòti nan Li ki bay mesye sila a sante pafè, nan prezans a nou tout. \p \v 17 “E koulye a, frè yo, mwen konnen ke nou te aji \x + \xo 3:17 \xo*\xt Jn 15:21\xt*\x*nan inyorans, menm jan ke chèf nou yo te fè osi. \v 18 Men bagay ke \x + \xo 3:18 \xo*\xt Trav 2:23\xt*\x*Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, \x + \xo 3:18 \xo*\xt Trav 17:3\xt*\x*ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli. \p \v 19 “Donk \x + \xo 3:19 \xo*\xt Trav 2:38\xt*\x*repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; \v 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, \v 21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan \x + \xo 3:21 \xo*\xt Mat 17:11\xt*\x*restorasyon tout bagay ke \x + \xo 3:21 \xo*\xt Luc 1:70\xt*\x*Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an. \p \v 22 “Moïse te di: \x + \xo 3:22 \xo*\xt Det 18:15,18\xt*\x*‘Senyè Bondye a va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo. A Li menm, nou va prete atansyon a tout sa Li di nou. \v 23 \x + \xo 3:23 \xo*\xt Det 18:19\xt*\x*E li va rive ke tout nanm ki pa okipe pwofèt sila \x + \xo 3:23 \xo*\xt Lev 23:29\xt*\x*va detwi nèt pami pèp la.’ \p \v 24 “Epi menm jan an \x + \xo 3:24 \xo*\xt Luc 24:27\xt*\x*tout pwofèt ki pale, depi Samuel ak tout sila ki te swiv li yo, osi te anonse jou sa yo. \p \v 25 “Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: \x + \xo 3:25 \xo*\xt Jen 22:18\xt*\x*‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’. \p \v 26 “ Bondye te leve sèvitè Li a, e Li te voye Li kote nou avan, pou beni nou lè l fè chak en de nou vire kite mechanste nou yo.” \c 4 \p \v 1 Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk \x + \xo 4:1 \xo*\xt Mc 12:18\xt*\x*Sadiseyen yo te rive kote yo. \v 2 Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame \x + \xo 4:2 \xo*\xt Trav 3:15\xt*\x*nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. \v 3 Yo te mete men sou yo, e te \x + \xo 4:3 \xo*\xt Trav 5:18\xt*\x*mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa. \v 4 Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e \x + \xo 4:4 \xo*\xt Trav 2:41\xt*\x*fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil. \p \v 5 Nan landemen, \x + \xo 4:5 \xo*\xt Luc 23:13\xt*\x*chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. \v 6 \x + \xo 4:6 \xo*\xt Luc 3:2\xt*\x*Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. \v 7 Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?” \p \v 8 Alò, Pierre \x + \xo 4:8 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, \v 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou \x + \xo 4:9 \xo*\xt Trav 3:7\xt*\x*benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, \v 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke \x + \xo 4:10 \xo*\xt Trav 2:22\xt*\x*pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. \v 11 ‘Se Li menm ki \x + \xo 4:11 \xo*\xt Sòm 118:22\xt*\x*wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’ \p \v 12 “Konsa, pa gen sali nan \x + \xo 4:12 \xo*\xt Mat 1:21\xt*\x*okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.” \p \v 13 Alò, lè yo te wè \x + \xo 4:13 \xo*\xt Trav 4:31\xt*\x*konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo \x + \xo 4:13 \xo*\xt Jn 7:15\xt*\x*te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo. \v 14 Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay. \p \v 15 Men lè yo fin mande yo \x + \xo 4:15 \xo*\xt Mat 5:22\xt*\x*kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm. \v 16 Yo te di: “Alò \x + \xo 4:16 \xo*\xt Jn 11:47\xt*\x*kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke \x + \xo 4:16 \xo*\xt Trav 3:7-10\xt*\x*yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè. \p \v 17 “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun \x + \xo 4:17 \xo*\xt Jn 15:21\xt*\x*nan non sila a.” \v 18 Yo te rele yo, e te \x + \xo 4:18 \xo*\xt Trav 5:28\xt*\x*kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a. \p \v 19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: \x + \xo 4:19 \xo*\xt Trav 5:28\xt*\x*“Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. \v 20 Paske \x + \xo 4:20 \xo*\xt I Kwo 9:16\xt*\x*nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.” \p \v 21 Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e \x + \xo 4:21 \xo*\xt Trav 5:26\xt*\x*akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap \x + \xo 4:21 \xo*\xt Mat 9:8\xt*\x*bay Bondye glwa pou sa ki te rive a. \v 22 Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane. \p \v 23 Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. \v 24 Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te \x + \xo 4:24 \xo*\xt Egz 20:11\xt*\x*fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, \v 25 ki \x + \xo 4:25 \xo*\xt Trav 1:16\xt*\x*pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di: \q1 \x + \xo 4:25 \xo*\xt Sòm 2:1\xt*\x*‘Poukisa nasyon yo anraje konsa; \q1 e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven? \q1 \v 26 \x + \xo 4:26 \xo*\xt Sòm 2:2\xt*\x*Wa sou latè yo ap pran pòz yo \q1 e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a \q1 ak kont Kris Li a.’ \p \v 27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont \x + \xo 4:27 \xo*\xt Trav 3:13\xt*\x*sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, \v 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak \x + \xo 4:28 \xo*\xt Trav 2:23\xt*\x*volonte Ou te deja planifye, pou fèt. \v 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo \x + \xo 4:29 \xo*\xt Fil 1:14\xt*\x*pale pawòl Ou avèk tout konfyans, \v 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon \x + \xo 4:30 \xo*\xt Jn 4:48\xt*\x*sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.” \p \v 31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te \x + \xo 4:31 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te \x + \xo 4:31 \xo*\xt Fil 1:14\xt*\x*pale pawòl Bondye a avèk kouraj. \p \v 32 Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men \x + \xo 4:32 \xo*\xt Trav 2:44\xt*\x*tout bagay te pou tout moun. \v 33 \x + \xo 4:33 \xo*\xt Trav 1:8\xt*\x*Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. \v 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo \x + \xo 4:34 \xo*\xt Mat 19:21\xt*\x*te vann yo e pote benefis a vant lan bay, \v 35 pou \x + \xo 4:35 \xo*\xt Trav 4:37\xt*\x*mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo \x + \xo 4:35 \xo*\xt Trav 2:45\xt*\x*te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen. \p \v 36 Joseph, yon Levit ki te ne an \x + \xo 4:36 \xo*\xt Trav 13:4\xt*\x*Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis \x + \xo 4:36 \xo*\xt Trav 11:23\xt*\x*Ankourajman an \v 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo. \c 5 \p \v 1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon moso tè. \v 2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te \x + \xo 5:2 \xo*\xt Trav 4:35,37\xt*\x*mete l nan pye apòt yo. \p \v 3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa \x + \xo 5:3 \xo*\xt Mat 4:10\xt*\x*Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. \v 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men \x + \xo 5:4 \xo*\xt Trav 5:3,9\xt*\x*a Bondye.” \p \v 5 Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon \x + \xo 5:5 \xo*\xt Trav 2:43\xt*\x*gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo. \p \v 6 Jennjan yo te leve li, \x + \xo 5:6 \xo*\xt Jn 19:40\xt*\x*vlope li nan yon twal e te pote l deyò pou te antere l. \p \v 7 Nan anviwon twazèdtan, madanm li, san konnen sa ki te rive a, te antre. \p \v 8 Pierre te di li: “Di m si ou te vann tè a pou \x + \xo 5:8 \xo*\xt Trav 5:2\xt*\x*yon pri konsa?” Li te di: “Wi, pou yon pri konsa”. \p \v 9 Alò, Pierre te di li: “Poukisa ke nou dakò ansanm pou \x + \xo 5:9 \xo*\xt Trav 15:10\xt*\x*tante Lespri Senyè a? Vwala, pye a sila ki te antere mari ou yo parèt nan pòt la, e yo va pote ou deyò a tou.” \p \v 10 Konsa \x + \xo 5:10 \xo*\xt Éz 11:13\xt*\x*li te tonbe atè e te rann dènye souf li. Jennjan yo te antre, yo twouve li tou mouri e te pote l ale. Yo te antere li bò kote mari li. \p \v 11 Yon \x + \xo 5:11 \xo*\xt Trav 2:43\xt*\x*gwo laperèz te vin tonbe sou tout legliz la, e sou tout sila ki te tande bagay sa yo. \p \v 12 Pa men apòt yo, anpil sign ak mirak te fèt pami pèp la, e yo tout te an akò nan Galri Salomon an. \p \v 13 Pou lòt yo, pa t gen pèsòn ki te gen kouraj pou vin jwenn avèk yo, men \x + \xo 5:13 \xo*\xt Trav 2:47\xt*\x*pèp la te bay yo lwanj. \v 14 Konsa, anpil \x + \xo 5:14 \xo*\xt II Kwo 6:15\xt*\x*kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo. \v 15 Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou \x + \xo 5:15 \xo*\xt Trav 19:12\xt*\x*menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo. \p \v 16 Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri. \p \v 17 Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di \x + \xo 5:17 \xo*\xt Mat 3:7\xt*\x*Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil. \v 18 Yo te mete men sou apòt yo, e te \x + \xo 5:18 \xo*\xt Trav 4:3\xt*\x*mete yo nan yon prizon piblik. \p \v 19 Men \x + \xo 5:19 \xo*\xt Mat 1:20,24\xt*\x*yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di: \v 20 “Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan \x + \xo 5:20 \xo*\xt Jn 6:63,68\xt*\x*tout pawòl lavi a.” \p \v 21 Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi. \p Men lè\x + \xo 5:21 \xo*\xt Trav 4:6\xt*\x*wo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini. \p \v 22 Men lè \x + \xo 5:22 \xo*\xt Mat 26:58\xt*\x*jandam yo te vini, yo te twouve ke yo pa t nan prizon an. Konsa yo te retounen pou te bay rapò a. \v 23 Yo te di: “Nou te twouve prizon an byen fèmen e byen sere avèk gad yo ki te kanpe devan pòt la, men lè nou te louvri li, nou pa twouve pèsòn ladann.” \p \v 24 Lè wo prèt la avèk \x + \xo 5:24 \xo*\xt Trav 4:1\xt*\x*kaptenn kò gad tanp lan te tande sa, yo te vin enkyete pou kote pwoblèm sa a ta vin rive. \p \v 25 Men yon moun te vin di yo: “Gade, mesye sa yo ke nou te mete nan prizon an kanpe nan tanp lan e y ap enstwi pèp la.” \p \v 26 Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske \x + \xo 5:26 \xo*\xt Trav 4:21\xt*\x*yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch. \p \v 27 Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan \x + \xo 5:27 \xo*\xt Mat 5:22\xt*\x*konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. \v 28 Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou \x + \xo 5:28 \xo*\xt Mat 23:35\xt*\x*gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”. \p \v 29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: \x + \xo 5:29 \xo*\xt Trav 4:19\xt*\x*“Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. \v 30 \x + \xo 5:30 \xo*\xt Trav 3:13\xt*\x*Bondye a zansèt nou yo \x + \xo 5:30 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. \v 31 \x + \xo 5:31 \xo*\xt Trav 2:33\xt*\x*Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon \x + \xo 5:31 \xo*\xt Luc 2:11\xt*\x*Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. \v 32 Nou te \x + \xo 5:32 \xo*\xt Luc 24:48\xt*\x*temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.” \p \v 33 Lè yo te tande sa, yo te \x + \xo 5:33 \xo*\xt Trav 2:37\xt*\x*byen blese, e te fè plan pou touye yo. \p \v 34 Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele \x + \xo 5:34 \xo*\xt Trav 22:3\xt*\x*Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman. \p \v 35 Li te di yo: “Moun Israël yo, veye nou menm ak sa nou gen entansyon fè avèk mesye sila yo, \v 36 Paske pa anpil jou avan sa, te leve yon Theudas ki t ap pretann li menm te \x + \xo 5:36 \xo*\xt Trav 8:9\xt*\x*yon pèsonaj, epi yon gwoup kat-san òm te vin jwenn avèk li. Men yo te touye li, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye, e pa t reyalize anyen. \p \v 37 “Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou \x + \xo 5:37 \xo*\xt Luc 2:2\xt*\x*resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye. \p \v 38 “Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a \x + \xo 5:38 \xo*\xt Mc 11:30\xt*\x*sòti nan lòm, li va boulvèse. \v 39 Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap \x + \xo 5:39 \xo*\xt Pwov 21:30\xt*\x*goumen kont Bondye menm.” \p \v 40 Yo te koute konsèy li. Apre yo te rele apòt yo antre, yo te \x + \xo 5:40 \xo*\xt Mat 10:17\xt*\x*bat yo avèk fwèt, e te kòmande yo pou yo pa pale nan non Jésus, e te lage yo. \p \v 41 Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap \x + \xo 5:41 \xo*\xt I Pi 4:14,16\xt*\x*rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri \x + \xo 5:41 \xo*\xt Jn 15:21\xt*\x*pou non Li. \p \v 42 \x + \xo 5:42 \xo*\xt Trav 2:46\xt*\x*Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la. \c 6 \p \v 1 Alò nan lè sa a pandan \x + \xo 6:1 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a \x + \xo 6:1 \xo*\xt Trav 9:29\xt*\x*Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a. \p \v 2 Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. \v 3 Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon \x + \xo 6:3 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. \v 4 Men nou menm nou va \x + \xo 6:4 \xo*\xt Trav 1:14\xt*\x*dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.” \p \v 5 Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi \x + \xo 6:5 \xo*\xt Trav 6:8\xt*\x*Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche. \v 6 Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin \x + \xo 6:6 \xo*\xt Trav 1:24\xt*\x*fè lapriyè, yo te \x + \xo 6:6 \xo*\xt Nonb 8:10\xt*\x*poze men sou yo. \p \v 7 Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a \x + \xo 6:7 \xo*\xt Trav 13:8\xt*\x*lafwa a. \p \v 8 Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè \x + \xo 6:8 \xo*\xt Jn 4:48\xt*\x*mèvèy ak mirak pami pèp la. \p \v 9 Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun \x + \xo 6:9 \xo*\xt Mat 27:32\xt*\x*Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne. \v 10 Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a. \p \v 11 Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”. \p \v 12 Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te \x + \xo 6:12 \xo*\xt Luc 20:1\xt*\x*sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la. \v 13 Yo te mete devan \x + \xo 6:13 \xo*\xt Mat 26:59-61\xt*\x*fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont \x + \xo 6:13 \xo*\xt Mat 24:15\xt*\x*lye sakre sila a, ak Lalwa. \v 14 Paske nou konn tande li di ke \x + \xo 6:14 \xo*\xt Mat 26:61\xt*\x*Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.” \p \v 15 Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj. \c 7 \p \v 1 Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vrè?” \p \v 2 Li te di: “Koute m \x + \xo 7:2 \xo*\xt Jn 8:42\xt*\x*frè m yo ak \x + \xo 7:2 \xo*\xt Jen 11:31\xt*\x*ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran. \v 3 E Li te di li: \x + \xo 7:3 \xo*\xt Jen 12:1\xt*\x*“Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”. \p \v 4 \x + \xo 7:4 \xo*\xt Jen 11:31\xt*\x*Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. \x + \xo 7:4 \xo*\xt Jen 12:4,5\xt*\x*Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a. \v 5 Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, \x + \xo 7:5 \xo*\xt Jen 12:7\xt*\x*Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo. \p \v 6 Men \x + \xo 7:6 \xo*\xt Jen 13:15\xt*\x*Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane. \v 7 “Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, \x + \xo 7:7 \xo*\xt Egz 3:12\xt*\x*epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.” \p \v 8 Li \x + \xo 7:8 \xo*\xt Jen 17:10\xt*\x*te bay li akò sikonsizyon an, epi \x + \xo 7:8 \xo*\xt Jen 21:2-4\xt*\x*Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo. \p \v 9 Patriyach yo \x + \xo 7:9 \xo*\xt Jen 37:11,28\xt*\x*te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li \v 10 e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li \x + \xo 7:10 \xo*\xt Jen 39:21\xt*\x*te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li. \p \v 11 Alò \x + \xo 7:11 \xo*\xt Jen 41:54\xt*\x*yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje. \v 12 Men \x + \xo 7:12 \xo*\xt Jen 42:2\xt*\x*lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a. \p \v 13 Nan dezyèm vizit la \x + \xo 7:13 \xo*\xt Jen 45:1-4\xt*\x*Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, e\x + \xo 7:13 \xo*\xt Jen 45:16\xt*\x*fanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon. \v 14 Alò \x + \xo 7:14 \xo*\xt Jen 45:9,10,17,18\xt*\x*Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou. \p \v 15 Konsa, \x + \xo 7:15 \xo*\xt Jen 46:1-7\xt*\x*Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la. \v 16 Depi la kò yo te deplase retounen nan \x + \xo 7:16 \xo*\xt Jen 23:16\xt*\x*Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor an Sichem yo. \p \v 17 Men pandan \x + \xo 7:17 \xo*\xt Jen 15:13\xt*\x*tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche \x + \xo 7:17 \xo*\xt Egz 1:7\xt*\x*pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte, \v 18 jiskaske \x + \xo 7:18 \xo*\xt Egz 1:8\xt*\x*Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph. \v 19 Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab \x + \xo 7:19 \xo*\xt Egz 1:22\xt*\x*fè zanfan pa nou yo pa t kab viv. \p \v 20 Se te nan tan sila a ke \x + \xo 7:20 \xo*\xt Egz 2:2\xt*\x*Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li. \v 21 Epi lè l te abandonen, fi \x + \xo 7:21 \xo*\xt Egz 2:5\xt*\x*Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li. \v 22 Moïse te enstwi nan tout \x + \xo 7:22 \xo*\xt I Wa 4:30\xt*\x*konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak. \p \v 23 Men lè l t ap pwoche laj karant ane, \x + \xo 7:23 \xo*\xt Egz 2:1\xt*\x*sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo. \p \v 24 Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an. \v 25 Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann. \p \v 26 \x + \xo 7:26 \xo*\xt Egz 2:1\xt*\x*“Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’ \p \v 27 “Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: \x + \xo 7:27 \xo*\xt Egz 2:14\xt*\x*‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou? \v 28 \x + \xo 7:28 \xo*\xt Egz 2:14\xt*\x*Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’ \p \v 29 “Akoz pawòl sila a \x + \xo 7:29 \xo*\xt Egz 2:15,22\xt*\x*Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis. \p \v 30 “Apre karant ane te pase, \x + \xo 7:30 \xo*\xt Egz 3:1\xt*\x*Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa. \v 31 Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li: \v 32 \x + \xo 7:32 \xo*\xt Egz 3:6\xt*\x*‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade. \p \v 33 \x + \xo 7:33 \xo*\xt Egz 3:5\xt*\x*“Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen. \v 34 \x + \xo 7:34 \xo*\xt Egz 3:7\xt*\x*Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’ \p \v 35 “Menm Moïse sila a ke yo te \x + \xo 7:35 \xo*\xt Egz 2:14\xt*\x*rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a. \v 36 \x + \xo 7:36 \xo*\xt Egz 12:41\xt*\x*Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè \x + \xo 7:36 \xo*\xt Egz 7:3\xt*\x*mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a. \v 37 Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: \x + \xo 7:37 \xo*\xt Det 18:15,18\xt*\x*‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’ \p \v 38 “Sa se li menm ki te nan \x + \xo 7:38 \xo*\xt Egz 19:17\xt*\x*asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa \x + \xo 7:38 \xo*\xt Det 32:47\xt*\x*pawòl vivan yo pou pase bannou. \p \v 39 “Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te \x + \xo 7:39 \xo*\xt Nonb 14:3\xt*\x*rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte. \v 40 \x + \xo 7:40 \xo*\xt Egz 32:1,23\xt*\x*Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’ \v 41 Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan \x + \xo 7:41 \xo*\xt Rev 19:20\xt*\x*zèv a pwòp men yo. \p \v 42 “Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo: \q1 \x + \xo 7:42 \xo*\xt Am 5:25\xt*\x*‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri \q1 ofrann ak sakrifis \q1 karant ane nan dezè a, O lakay Israël. \q1 \v 43 \x + \xo 7:43 \xo*\xt Am 5:26,27\xt*\x*Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la, \q1 ak zetwal a dye Remphan an; \q1 imaj ke nou te fè pou adore yo. \q1 Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’ \p \v 44 “Zansèt nou yo te gen \x + \xo 7:44 \xo*\xt Egz 25:8-9\xt*\x*tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou \x + \xo 7:44 \xo*\xt Egz 25:40\xt*\x*fè, selon modèl ke li te wè a. \p \v 45 “Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te \x + \xo 7:45 \xo*\xt Det 32:49\xt*\x*pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la. \v 46 \x + \xo 7:46 \xo*\xt II Sam 7:8\xt*\x*David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite. \v 47 Men se te \x + \xo 7:47 \xo*\xt I Wa 6:1-38\xt*\x*Salomon ki te bati yon kay pou Li. \p \v 48 “Poutan \x + \xo 7:48 \xo*\xt Luc 1:32\xt*\x*Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a: \q1 \v 49 \x + \xo 7:49 \xo*\xt És 66:2\xt*\x*‘Syèl la se twòn Mwen, \q1 E tè a se ban pou pye Mwen. \q1 Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’ \q1 ‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen? \q1 \v 50 Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’ \p \v 51 “Nou menm, ki se moun \x + \xo 7:51 \xo*\xt Egz 32:9\xt*\x*kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo. \v 52 \x + \xo 7:52 \xo*\xt II Kwo 36:1\xt*\x*Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke \x + \xo 7:52 \xo*\xt Trav 3:14\xt*\x*Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine. \v 53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon \x + \xo 7:53 \xo*\xt Det 33:2\xt*\x*òdonans pa zanj yo, te vyole li.” \p \v 54 Alò, lè yo te tande sa, yo te \x + \xo 7:54 \xo*\xt Trav 5:33\xt*\x*blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li. \p \v 55 Men \x + \xo 7:55 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki t ap kanpe bò men dwat Bondye. \v 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè \x + \xo 7:56 \xo*\xt Jn 1:51\xt*\x*syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.” \p \v 57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, \v 58 e lè yo te fin pouse li \x + \xo 7:58 \xo*\xt Lev 24:14-16\xt*\x*deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te \x + \xo 7:58 \xo*\xt Trav 22:20\xt*\x*depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul. \p \v 59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te \x + \xo 7:59 \xo*\xt Trav 9:21\xt*\x*rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. \v 60 Konsa, \x + \xo 7:60 \xo*\xt Luc 22:41\xt*\x*li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri. \c 8 \p \v 1 Saul te fin dakò nèt ak lanmò li. \p Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo. \v 2 Kèk moun fidèl te antere Étienne. Yo te fè yon gwo lamantasyon sou li. \p \v 3 Men \x + \xo 8:3 \xo*\xt Trav 9:1,13,21\xt*\x*Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon. \p \v 4 Konsa \x + \xo 8:4 \xo*\xt Trav 8:1\xt*\x*sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la. \p \v 5 \x + \xo 8:5 \xo*\xt Trav 6\xt*\x*Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo. \p \v 6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. \v 7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te \x + \xo 8:7 \xo*\xt Mat 4:24\xt*\x*paralize e bwate te geri. \v 8 Donk, te gen \x + \xo 8:8 \xo*\xt Jn 4:40-42\xt*\x*anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a. \p \v 9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike \x + \xo 8:9 \xo*\xt Trav 8:11\xt*\x*maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan. \p \v 10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: \x + \xo 8:10 \xo*\xt Trav 14:11\xt*\x*“Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” \v 11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk \x + \xo 8:11 \xo*\xt Trav 8:9\xt*\x*metye maji sila a. \p \v 12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap \x + \xo 8:12 \xo*\xt Trav 1:3\xt*\x*preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. \v 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil \x + \xo 8:13 \xo*\xt Trav 8:6\xt*\x*sign ak \x + \xo 8:13 \xo*\xt Trav 19:11\xt*\x*mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan. \p \v 14 Alò, lè \x + \xo 8:14 \xo*\xt Trav 8:1\xt*\x*apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye \x + \xo 8:14 \xo*\xt Luc 22:8\xt*\x*Pierre avèk Jean bay yo. \v 15 Lè yo te vin desann, yo te priye \x + \xo 8:15 \xo*\xt Trav 2:38\xt*\x*pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. \v 16 Paske Li \x + \xo 8:16 \xo*\xt Mat 28:19\xt*\x*potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. \v 17 Alò, yo te \x + \xo 8:17 \xo*\xt Trav 6:6\xt*\x*mete men sou yo, epi yo te \x + \xo 8:17 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*resevwa Lespri Sen an. \p \v 18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. \v 19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.” \p \v 20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab \x + \xo 8:20 \xo*\xt II Wa 5:16\xt*\x*vin genyen don Bondye a avèk lajan. \v 21 Ou pa gen \x + \xo 8:21 \xo*\xt Det 10:9\xt*\x*ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. \v 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, \x + \xo 8:22 \xo*\xt És 55:7\xt*\x*si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. \v 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e \x + \xo 8:23 \xo*\xt És 58:6\xt*\x*mare nan inikite.” \p \v 24 Men Simon te reponn e te di: \x + \xo 8:24 \xo*\xt Jen 20:7\xt*\x*“Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.” \p \v 25 Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale \x + \xo 8:25 \xo*\xt Trav 13:12\xt*\x*pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te \x + \xo 8:25 \xo*\xt Trav 8:40\xt*\x*preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten. \p \v 26 Men \x + \xo 8:26 \xo*\xt Trav 5:19\xt*\x*yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.) \p \v 27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, \x + \xo 8:27 \xo*\xt Sòm 68:31\xt*\x*te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e \x + \xo 8:27 \xo*\xt I Wa 8:41\xt*\x*te la nan Jérusalem pou adore Bondye. \v 28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a. \p \v 29 Alò \x + \xo 8:29 \xo*\xt Trav 8:39\xt*\x*Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”. \p \v 30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?” \p \v 31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l. \p \v 32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a: \q2 \x + \xo 8:32 \xo*\xt És 53:7\xt*\x*“Li te mennen kon yon mouton nan labatwa. \q1 Kon yon jenn mouton an silans \q1 devan sa k ap taye lenn sou do l, \q1 li pa t louvri bouch li. \q2 \v 33 \x + \xo 8:33 \xo*\xt És 53:8\xt*\x*Nan imilyasyon, jistis li te rachte. \q1 Kilès ki va deklare a jenerasyon pa L la? \q1 Paske vi Li retire sou tè a.” \p \v 34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?” \p \v 35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te \x + \xo 8:35 \xo*\xt Luc 24:27\xt*\x*kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm. \p \v 36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: \x + \xo 8:36 \xo*\xt Trav 10:47\xt*\x*“Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” \v 37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” \v 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li. \p \v 39 Lè yo te sòti nan dlo a, \x + \xo 8:39 \xo*\xt I Wa 18:12\xt*\x*Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans. \p \v 40 Men Philippe te twouve li menm nan \x + \xo 8:40 \xo*\xt Jos 11:22\xt*\x*Azot. Pandan li t ap travèse, li te \x + \xo 8:40 \xo*\xt Trav 8:25\xt*\x*kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée. \c 9 \p \v 1 \x + \xo 9:1 \xo*\xt Trav 9:1-22\xt*\x*Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la. \v 2 Li te mande li bay li \x + \xo 9:2 \xo*\xt Trav 9:14,21\xt*\x*lèt a sinagòg Damas yo pou si li te twouve nenpòt moun ki nan Chemen an, fanm kou gason, li ta kapab mennen yo mare a Jérusalem. \p \v 3 Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi \x + \xo 9:3 \xo*\xt I Kwo 15:8\xt*\x*sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li. \v 4 \x + \xo 9:4 \xo*\xt Trav 22:7\xt*\x*Li te tonbe atè e te tande yon vwa ki t ap di l: \wj “Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?” \wj* \p \v 5 Li reponn: “Kilès Ou ye, Senyè?” \p Li te di: \wj “Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a.\wj* \v 6 \wj Men leve, antre nan vil la, e \wj*\x + \xo 9:6 \xo*\xt Trav 9:16\xt*\x*\wj ou va tande kisa ou dwe fè.” \wj* \p \v 7 Mesye ki te vwayaje avè l yo te kanpe san di anyen. Yo \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jn 12:29\xt*\x*te tande vwa a, men yo pa t wè pèsòn. \p \v 8 Saul te leve atè a, e \x + \xo 9:8 \xo*\xt Trav 9:18\xt*\x*malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas. \v 9 Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè. \p \v 10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele \x + \xo 9:10 \xo*\xt Trav 22:12\xt*\x*Ananias. Senyè a te di l \x + \xo 9:10 \xo*\xt Trav 10:3,17,19\xt*\x*nan yon vizyon: “Ananias!” \p Li te reponn: “Men mwen, Senyè.” \p \v 11 Senyè a te di li: \wj “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye \wj*\x + \xo 9:11 \xo*\xt Trav 9:30\xt*\x*\wj Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye.\wj* \v 12 \wj Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou\wj* \x + \xo 9:12 \xo*\xt Mc 5:23\xt*\x*\wj poze men l sou li, pou l wè ankò.” \wj* \p \v 13 Men Ananias te reponn: “Senyè, mwen tande de anpil moun sou mesye sila a; \x + \xo 9:13 \xo*\xt Trav 8:3\xt*\x*kijan li te fè sen ou yo mal Jérusalem. \v 14 Isit la menm, li \x + \xo 9:14 \xo*\xt Trav 9:2,21\xt*\x*gen otorite ki sòti nan chèf prèt yo pou mare tout sila ki \x + \xo 9:14 \xo*\xt Trav 7:59\xt*\x*rele Non Ou yo.” \p \v 15 Men Senyè a te di li: “Ale paske \x + \xo 9:15 \xo*\xt Trav 13:2\xt*\x*li menm se yon enstriman ki chwazi pa Mwen pou pote non Mwen devan etranje, wa yo, ak fis Israël yo. \v 16 Paske \x + \xo 9:16 \xo*\xt Trav 20:23\xt*\x*Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.” \p \v 17 Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin \x + \xo 9:17 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.” \p \v 18 Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize. \v 19 Li te pran manje e te reprann fòs li. \p Alò, pandan kèk jou, li te avèk disip ki te Damas yo. \v 20 Epi imedyatman, li te kòmanse pwoklame Jésus \x + \xo 9:20 \xo*\xt Trav 13:5\xt*\x*nan sinagòg yo e t ap di: “Li se \x + \xo 9:20 \xo*\xt Trav 13:33\xt*\x*Fis Bondye a”. \p \v 21 Tout sila ki t ap tande li yo te etone tout tan, e t ap di: “Èske sa se pa sila ki nan Jérusalem te \x + \xo 9:21 \xo*\xt Trav 8:3\xt*\x*detwi sila yo ki te envoke non sa a, e ki te vini isit la ekspre pou mennen yo mare devan chèf prèt yo?” \p \v 22 Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la. \p \v 23 Lè \x + \xo 9:23 \xo*\xt Gal 1:17,18\xt*\x*anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li, \v 24 men konplo yo te vin konnen pa Saul. Yo te veye pòtay yo lajounen kon lannwit pou yo ta kapab mete l a lanmò. \p \v 25 Men disip li yo te pran li nan lannwit, e yo te fè l desann sou miray la nan yon gwo panyen. \p \v 26 Konsa, \x + \xo 9:26 \xo*\xt Trav 22:17-20\xt*\x*lè Saul te vini Jérusalem, li te eseye pran kontak avèk disip yo, men yo te pè l. Yo pa t kwè ke li te yon disip. \p \v 27 Men \x + \xo 9:27 \xo*\xt Trav 4:36\xt*\x*Barnabas te pran li e te mennen l devan apòt yo. Paul te eksplike yo kijan li te wè Senyè a sou wout la. Ke Li te pale avèk li, epi kijan nan Damas li te pale avèk kouraj nan non Jésus. \p \v 28 Li te avèk yo pou antre nan Jérusalem. \v 29 Li t ap \x + \xo 9:29 \xo*\xt Trav 4:13,29\xt*\x*pale avèk anpil kouraj nan non Senyè a. Li t ap pale e diskite avèk \x + \xo 9:29 \xo*\xt Trav 6:1\xt*\x*Jwif Grèk yo men yo t ap eseye mete l a lanmò. \v 30 Men lè tout frè yo te vin konprann sa, yo te mennen li desann \x + \xo 9:30 \xo*\xt Trav 8:40\xt*\x*Césarée, e \x + \xo 9:30 \xo*\xt Gal 1:21\xt*\x*te voye li ale Tarse. \p \v 31 Donk \x + \xo 9:31 \xo*\xt Trav 5:11\xt*\x*legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi. \p \v 32 Alò pandan Pierre t ap vwayaje nan rejyon sa yo, li te desann osi bò kote \x + \xo 9:32 \xo*\xt Trav 9:13\xt*\x*fidèl ki te rete nan Lydde yo. \v 33 La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize. \p \v 34 Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve. \p \v 35 Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire \x + \xo 9:35 \xo*\xt Trav 2:47\xt*\x*vè Senyè a. \p \v 36 Alò, nan \x + \xo 9:36 \xo*\xt Jos 19:46\xt*\x*Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan. \v 37 Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè. \v 38 Lydde te toupre Joppé, e \x + \xo 9:38 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”! \p \v 39 Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan \x + \xo 9:39 \xo*\xt Trav 1:13\xt*\x*chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo. \p \v 40 Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: \x + \xo 9:40 \xo*\xt Mc 5:41\xt*\x*“Tabitha, leve.” \p Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita. \p \v 41 Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout \x + \xo 9:41 \xo*\xt Trav 9:13,32\xt*\x*fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan. \p \v 42 Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, e\x + \xo 9:42 \xo*\xt Trav 9:35\xt*\x*anpil moun te kwè nan Senyè a. \p \v 43 Apre sa li te rete anpil jou nan Joppé avèk yon \x + \xo 9:43 \xo*\xt Trav 10:6\xt*\x*bòs tanè ke yo rele Simon. \c 10 \p \v 1 Alò, te gen yon sèten nonm nan Césarée ke yo te rele Corneille, yon santenye nan \x + \xo 10:1 \xo*\xt Trav 8:40\xt*\x*kowòt Italyen an. \v 2 Li te yon mesye fidèl \x + \xo 10:2 \xo*\xt Trav 10:22,35\xt*\x*ki te gen lakrent Bondye avèk tout lakay li, ki te \x + \xo 10:2 \xo*\xt Luc 7:4\xt*\x*bay anpil charite a pèp Jwif la, e li te priye Bondye kontinyèlman. \p \v 3 Anviwon \x + \xo 10:3 \xo*\xt Trav 3:1\xt*\x*nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè \x + \xo 10:3 \xo*\xt Trav 9:10\xt*\x*nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!” \p \v 4 Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?” \p Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou \x + \xo 10:4 \xo*\xt Eb 6:10\xt*\x*kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye. \v 5 Koulye a, voye kèk moun \x + \xo 10:5 \xo*\xt Trav 9:36\xt*\x*Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre. \v 6 Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele \x + \xo 10:6 \xo*\xt Trav 9:43\xt*\x*Simon ki rete bò lanmè a.” \p \v 7 Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan. \v 8 Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo \x + \xo 10:8 \xo*\xt Trav 9:36\xt*\x*Joppé. \p \v 9 Nan jou apre a, pandan yo te nan chemen yo, ap pwoche vil la \x + \xo 10:9 \xo*\xt Trav 10:9-32\xt*\x*Pierre te ale sou do kay la nan anviwon sizyèm è pou priye. \v 10 Men li te vin grangou, e li te vle manje. Men pandan yo t ap fè preparasyon an, li te \x + \xo 10:10 \xo*\xt Trav 11:5\xt*\x*tonbe nan yon rèv. \v 11 Konsa, li te wè \x + \xo 10:11 \xo*\xt Jn 1:51\xt*\x*syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. \v 12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. \v 13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!” \p \v 14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske \x + \xo 10:14 \xo*\xt Lev 11:20-25\xt*\x*Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.” \p \v 15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: \x + \xo 10:15 \xo*\xt Mat 15:11\xt*\x*\wj “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”\wj* \p \v 16 Sa te rive twa fwa; epi imedyatman, bagay la te vin remonte nan syèl la. \p \v 17 Alò, Pierre te byen twouble nan lespri li sou sa vizyon li te wè te siyifi a. Epi konsa \x + \xo 10:17 \xo*\xt Trav 10:8\xt*\x*mesye ki te voye pa Corneille yo, lè yo te fin mande tout direksyon pou kay Simon, te parèt nan pòtay la. \v 18 Yo te rele anlè, pou mande si Simon, ke yo rele osi Pierre a te rete la. \p \v 19 Pandan Pierre t ap reflechi sou vizyon an \x + \xo 10:19 \xo*\xt Trav 8:29\xt*\x*Lespri a te di l: “Gade, gen twa mesye k ap chache ou. \v 20 Alò, leve desann eskalye a pou \x + \xo 10:20 \xo*\xt Trav 15:7-9\xt*\x*akonpanye yo san doute anyen. Paske se Mwen menm ki voye yo.” \p \v 21 Pierre te desann vè moun yo. Li te di yo: “Se mwen menm nou ap chache a. Se pou ki rezon nou vini an?” \p \v 22 Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e \x + \xo 10:22 \xo*\xt Trav 10:2\xt*\x*ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande \x + \xo 10:22 \xo*\xt Trav 11:14\xt*\x*yon mesaj de ou menm.” \p \v 23 Konsa, li te envite yo antre, e li te bay yo lojman. \p Nan jou swivan a, li te leve. Li te sòti avèk yo, e kèk nan frè Joppé yo te akonpanye li. \p \v 24 Nan youn jou pi tà, li te antre \x + \xo 10:24 \xo*\xt Trav 8:40\xt*\x*Césarée. \p Alò, Corneille t ap tann yo. Li te rele ansanm fanmi ak zanmi ki pwòch li yo. \v 25 Lè Pierre te antre, Corneille te rankontre li, e te tonbe nan pye li pou \x + \xo 10:25 \xo*\xt Mat 8:2\xt*\x*adore li. \p \v 26 Men Pierre te leve l e te di: \x + \xo 10:26 \xo*\xt Trav 14:15\xt*\x*“Kanpe non, mwen menm se sèlman yon moun.” \p \v 27 Pandan li t ap pale avèk li, li te antre, e te twouve \x + \xo 10:27 \xo*\xt Trav 10:24\xt*\x*anpil moun deja reyini. \v 28 Pierre te di yo: “Nou menm nou konnen kijan sa kont lalwa pou yon nonm ki se yon Jwif vin asosye avèk yon etranje, ni pou vizitè li. Men \x + \xo 10:28 \xo*\xt Trav 10:14,35\xt*\x*Bondye te deja montre m ke mwen pa dwe rele pèsòn pa sen oubyen pa pwòp. \v 29 Se pou rezon sa ke m te vini menm san okenn objeksyon lè yo te fè mwen vini an. Konsa, mwen mande pou ki sa nou fè mwen vini an?” \p \v 30 Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala \x + \xo 10:30 \xo*\xt Trav 10:3-6,30-32\xt*\x*yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye. \v 31 Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye. \v 32 Pou sa, voye \x + \xo 10:32 \xo*\xt Jn 4:9\xt*\x*Joppé pou envite Simon, ke yo rele osi Pierre, pou vin kote nou. Li rete lakay Simon, ki se bòs tanè bò lanmè a.’ \v 33 Pou sa, mwen te fè ou vin touswit, e ou tèlman emab, ke ou vini. Alò, koulye a, nou tout isit la, prezan devan Bondye pou tande tout sa ke ou kòmande pa Senyè a.” \p \v 34 \x + \xo 10:34 \xo*\xt Mat 5:2\xt*\x*Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke \x + \xo 10:34 \xo*\xt Det 10:17\xt*\x*Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, \v 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki \x + \xo 10:35 \xo*\xt Trav 10:2\xt*\x*gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm. \v 36 Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche \x + \xo 10:36 \xo*\xt Ef 2:17\xt*\x*lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se \x + \xo 10:36 \xo*\xt Wo 10:12\xt*\x*Senyè a tout moun. \p \v 37 “Nou menm nou konnen bagay ki te pase nan tout Judée a, ki te kòmanse nan Galilée, apre batèm ke Jean te pwoklame a; \v 38 sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li \x + \xo 10:38 \xo*\xt Mat 4:23\xt*\x*te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L. \p \v 39 “Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te \x + \xo 10:39 \xo*\xt Trav 5:30\xt*\x*mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa. \v 40 \x + \xo 10:40 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*Bondye te fè l leve nan twazyèm jou a, e te pèmèt ke Li te vin vizib \v 41 \x + \xo 10:41 \xo*\xt Jn 14:19,22\xt*\x*pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a. \v 42 Konsa, Li te kòmande nou pou preche a pèp la, epi solanèlman, temwaye ke Li se Sila a ki te nome pa Bondye, kòm \x + \xo 10:42 \xo*\xt Jn 5:22,27\xt*\x*Jij a vivan e a mò yo. \p \v 43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon \x + \xo 10:43 \xo*\xt Luc 24:47\xt*\x*non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.” \p \v 44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, \x + \xo 10:44 \xo*\xt Trav 11:15\xt*\x*Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la. \p \v 45 \x + \xo 10:45 \xo*\xt Trav 10:23\xt*\x*Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske \x + \xo 10:45 \xo*\xt Trav 2:33,38\xt*\x*don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. \v 46 Paske yo te tande yo \x + \xo 10:46 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*pale an lang, e egzalte Bondye. \p Alò, Pierre te reponn: \v 47 \x + \xo 10:47 \xo*\xt Trav 8:36\xt*\x*“Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila \x + \xo 10:47 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” \v 48 Epi li te kòmande yo pou batize \x + \xo 10:48 \xo*\xt Trav 2:38\xt*\x*nan non Jésus Kri. \p Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou. \c 11 \p \v 1 Alò, apòt yo ak \x + \xo 11:1 \xo*\xt Trav 1:15\xt*\x*frè fidèl yo ki te nan tout Judée te tande ke pèp etranje yo osi te resevwa pawòl Bondye a. \v 2 Men lè Pierre te vin monte Jérusalem, \x + \xo 11:2 \xo*\xt Trav 10:45\xt*\x*sila ki te sikonsi yo te vin pa dakò avèk li. \v 3 Yo t ap di: \x + \xo 11:3 \xo*\xt Mat 9:11\xt*\x*“Ou te ale kote moun ensikonsi yo, e te manje avèk yo.” \p \v 4 Konsa, Pierre te kòmanse eksplike yo istwa a \x + \xo 11:4 \xo*\xt Luc 1:3\xt*\x*nan lòd ke tout bagay te rive yo. Li te di: \v 5 \x + \xo 11:5 \xo*\xt Trav 10:9-32\xt*\x*“Mwen te nan vil Joppé, e mwen te nan lapriyè. Nan yon pwofon somèy mwen te fè yon vizyon; yon sèten objè ki te vin desann kon yon gwo dra ki kenbe nan kat kwen soti nan syèl la, e li te vini tou dwat devan mwen. \v 6 Lè m te fikse zye m sou li, e t ap gade l, mwen te wè bèt latè a kat pye, bèt sovaj, reptil, ak zwazo syèl yo. \v 7 Konsa, mwen te tande yon vwa ki te di m: \wj ‘Leve Pierre; touye e manje.’ \wj* \p \v 8 “Men mwen te di: ‘Non Senyè, paske anyen ki pa sen, oswa ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’ \p \v 9 “Men yon vwa ki soti nan syèl la te reponn yon dezyèm fwa: \x + \xo 11:9 \xo*\xt Trav 10:15\xt*\x*\wj ‘Sa ke Bondye fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.’\wj* \v 10 Sa te fèt twa fwa, epi tout bagay yo te rale monte ankò nan syèl la. \p \v 11 “Epi gade byen, nan moman sa a, twa mesye ki te voye kote mwen sòti Césarée, te parèt devan kay la kote nou te rete a. \p \v 12 “Lespri a te di m ale avèk yo \x + \xo 11:12 \xo*\xt Trav 15:9\xt*\x*san krent. Sis frè sila yo osi te ale avè m, e nou te antre nan kay mesye a. \p \v 13 “Epi li te rapòte kijan li te wè zanj lan kanpe lakay li a, e te di: ‘Voye Joppé pou fè Simon, ke yo rele osi Pierre, vin isit la. \v 14 Li va pale nou \x + \xo 11:14 \xo*\xt Trav 10:22\xt*\x*pawòl yo. Ak yo menm nou va sove, nou menm avèk \x + \xo 11:14 \xo*\xt Jn 4:53\xt*\x*tout lakay nou.’ \p \v 15 “Epi lè mwen te kòmanse pale \x + \xo 11:15 \xo*\xt Trav 10:44\xt*\x*Lespri Sen an te vin tonbe sou yo \x + \xo 11:15 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. \v 16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: \x + \xo 11:16 \xo*\xt Trav 1:5\xt*\x*\wj ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’\wj* \p \v 17 “Donk, si \x + \xo 11:17 \xo*\xt Trav 10:45,47\xt*\x*Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?” \p \v 18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, \x + \xo 11:18 \xo*\xt II Kwo 7:10\xt*\x*repantans ki mennen a lavi a.” \p \v 19 \x + \xo 11:19 \xo*\xt Trav 8:1,4\xt*\x*Answit, moun ki te gaye akoz pèsekisyon ki te leve a, ansanm ak zafè Étienne nan, te fè wout yo pou Phénicie, Chypre, ak Antioche, e yo t ap pale pawòl la a Jwif yo sèlman. \p \v 20 Men te gen nan yo, moun Chypre ak Cyrène ki te vini Antioche. E yo te kòmanse pale ak Grèk yo osi, e t ap \x + \xo 11:20 \xo*\xt Trav 5:42\xt*\x*preche Senyè Jésus a. \p \v 21 \x + \xo 11:21 \xo*\xt Luc 1:66\xt*\x*Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a. \p \v 22 Nouvèl yo te rive nan zòrèy a legliz la nan Jérusalem, e yo te voye \x + \xo 11:22 \xo*\xt Trav 4:36\xt*\x*Barnabas Antioche. \p \v 23 Konsa, lè l rive, e te wè \x + \xo 11:23 \xo*\xt Trav 13:43\xt*\x*gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a. \v 24 Paske li te yon bon moun. Li te \x + \xo 11:24 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*ranpli ak Lespri Sen an, ak lafwa. Konsa, anpil moun te adisyonen a Senyè a. \p \v 25 Barnabas te kite \x + \xo 11:25 \xo*\xt Trav 9:11\xt*\x*Tarse pou ale jwenn Saul. \v 26 Lè li te twouve li, li te mennen l Antioche. Pandan yon ane antye yo te reyini avèk legliz la, e yo te enstwi anpil moun. \p Disip yo te premyèman rele \x + \xo 11:26 \xo*\xt Trav 26:28\xt*\x*“Kretyen” la a, nan Antioche. \p \v 27 Alò nan tan sa a, \x + \xo 11:27 \xo*\xt Luc 11:49\xt*\x*kèk pwofèt te sòti Jérusalem pou rive Antioche. \p \v 28 Youn nan yo ke yo te rele \x + \xo 11:28 \xo*\xt Trav 21:10\xt*\x*Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la. \p \v 29 Epi selon mwayen ke nenpòt disip te genyen, yo chak te detèmine pou voye asistans pou sekou a \x + \xo 11:29 \xo*\xt Trav 11:1\xt*\x*frè yo nan Judée. \v 30 \x + \xo 11:30 \xo*\xt Trav 12:25\xt*\x*Se konsa yo te fè, e te voye l pa men Barnabas ak Saul pou livre bay ansyen yo. \c 12 \p \v 1 Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo. \v 2 Li \x + \xo 12:2 \xo*\xt Mat 4:21\xt*\x*te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe. \p \v 3 Lè l te wè ke sa te \x + \xo 12:3 \xo*\xt Trav 24:27\xt*\x*fè Jwif yo kontan, li te avanse pou l arete Pierre tou. Sa se te pandan jou Pen San Ledven yo. \v 4 Lè l te sezi li, li te mete l nan prizon, e te livre li a kat ekip sòlda pou yo te veye l, avèk entansyon \x + \xo 12:4 \xo*\xt Egz 12:1-27\xt*\x*apre Pak la, pou mennen l devan pèp la. \p \v 5 Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li. \p \v 6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te \x + \xo 12:6 \xo*\xt Trav 21:33\xt*\x*byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an. \p \v 7 Epi vwala \x + \xo 12:7 \xo*\xt Trav 5:19\xt*\x*yon zanj Senyè a \x + \xo 12:7 \xo*\xt Luc 2:9\xt*\x*te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!” \p Konsa, chenn yo te tonbe kite men l. \p \v 8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.” \p \v 9 Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te \x + \xo 12:9 \xo*\xt Trav 9:10\xt*\x*yon vizyon ke li t ap fè. \v 10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te \x + \xo 12:10 \xo*\xt Trav 5:19\xt*\x*ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li. \p \v 11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke \x + \xo 12:11 \xo*\xt Dan 3:28\xt*\x*Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.” \p \v 12 Lè li te fin konprann sa, li te ale lakay Marie, manman a \x + \xo 12:12 \xo*\xt Trav 12:25\xt*\x*Jean ki osi te rele Marc. La, anpil moun te reyini ansanm e t ap priye. \v 13 Lè l te frape nan pòtay la, yon sèvant kay la ki te rele Rhode te vin reponn. \v 14 Lè l te rekonèt vwa Pierre a \x + \xo 12:14 \xo*\xt Luc 24:41\xt*\x*akoz kè kontan li, li pa t ouvri pòt la, men te kouri anndan, e te anonse ke Pierre te kanpe devan pòtay la. \p \v 15 Yo te di li: “Ou fin pèdi tèt ou!” Men li te kontinye ensiste ke se te konsa. Yo t ap di: “Se \x + \xo 12:15 \xo*\xt Mat 18:10\xt*\x*zanj li”. \p \v 16 Men Pierre te kontinye frape sou pòtay la. Lè yo te louvri pòt la, yo te wè li. Yo te etone. \v 17 Men li te fè yon sinyal avèk men l, pou yo fè silans, e te eksplike yo jan Senyè a te mennen li sòti nan prizon an. Li te di: “ \x + \xo 12:17 \xo*\xt Mc 6:3\xt*\x* Fè Jacques ak frè yo konnen bagay sa yo.” Konsa, li te pati e te ale yon lòt kote. \p \v 18 Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a. \p \v 19 Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou \x + \xo 12:19 \xo*\xt Trav 16:27\xt*\x* yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la. \p \v 20 Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke \x + \xo 12:20 \xo*\xt I Wa 5:11\xt*\x*peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a. \p \v 21 Nan jou apwente a, Hérode te mete sou li tout rad wayal yo. Li te pran chèz li sou twòn nan, e te kòmanse livre yon diskou piblik a yo menm. \p \v 22 Konsa, pèp la t ap kriye: “Se vwa a yon dye, pa a yon moun!” \v 23 Imedyatman \x + \xo 12:23 \xo*\xt II Sam 24:16\xt*\x*yon zanj Senyè a te frape l paske li pa t bay Bondye glwa. Konsa li te vin manje pa vè, e te mouri. \p \v 24 Men \x + \xo 12:24 \xo*\xt Trav 6:7\xt*\x*pawòl Senyè a te kontinye grandi e te vin miltipliye. \p \v 25 Barnabas ak Saul te retounen Jérusalem \x + \xo 12:25 \xo*\xt Trav 12:12\xt*\x*lè yo te fin akonpli misyon pa yo a. Yo te pran Jean avèk yo ki te osi rele Marc. \c 13 \p \v 1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak \x + \xo 13:1 \xo*\xt Wo 12:6\xt*\x*mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul. \p \v 2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou \x + \xo 13:2 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*travay ke mwen rele yo a.” \p \v 3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te \x + \xo 13:3 \xo*\xt Trav 6:6\xt*\x*poze men sou yo e te voye yo ale. \p \v 4 \x + \xo 13:4 \xo*\xt Trav 4:36\xt*\x*Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. \v 5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis \x + \xo 13:5 \xo*\xt Trav 12:12\xt*\x*Jean te la pou ede yo. \p \v 6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten \x + \xo 13:6 \xo*\xt Trav 8:9\xt*\x*majisyen Jwif, yon \x + \xo 13:6 \xo*\xt Mat 7:15\xt*\x*fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus \v 7 ki te avèk \x + \xo 13:7 \xo*\xt Trav 13:8,12\xt*\x*pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a. \p \v 8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont \x + \xo 13:8 \xo*\xt Trav 6:7\xt*\x*lafwa a. \v 9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, \x + \xo 13:9 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. \v 10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm \x + \xo 13:10 \xo*\xt Mat 13:38\xt*\x*fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? \v 11 Koulye a, gade byen \x + \xo 13:11 \xo*\xt Egz 9:3\xt*\x*men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.” \p Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen. \p \v 12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de \x + \xo 13:12 \xo*\xt Trav 8:25\xt*\x*doktrin Senyè a. \p \v 13 Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. \x + \xo 13:13 \xo*\xt Trav 12:12\xt*\x*Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem. \p \v 14 Men kontinye soti Perge yo te rive \x + \xo 13:14 \xo*\xt Trav 14:19,21\xt*\x*Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita. \v 15 Aprè Lalwa ak \x + \xo 13:15 \xo*\xt Trav 13:27\xt*\x*Pwofèt yo \x + \xo 13:15 \xo*\xt Trav 15:21\xt*\x*te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.” \p \v 16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki \x + \xo 13:16 \xo*\xt Trav 10:2\xt*\x*krent Bondye, koute: \v 17 Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te \x + \xo 13:17 \xo*\xt Egz 1:7\xt*\x*fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve \x + \xo 13:17 \xo*\xt Egz 12:51\xt*\x*Li te mennen yo sòti ladann. \v 18 \x + \xo 13:18 \xo*\xt Nonb 14:34\xt*\x*Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a. \p \v 19 “Lè L te fin detwi \x + \xo 13:19 \xo*\xt Det 7:1\xt*\x*sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te \x + \xo 13:19 \xo*\xt Jos 14:1\xt*\x*divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane. \v 20 Apre bagay sa yo, Li te \x + \xo 13:20 \xo*\xt Jij 2:16\xt*\x*bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la. \p \v 21 “Yo te \x + \xo 13:21 \xo*\xt I Sam 8:5\xt*\x*mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo \x + \xo 13:21 \xo*\xt I Sam 9:1\xt*\x*Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane. \p \v 22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: \x + \xo 13:22 \xo*\xt I Sam 13:14\xt*\x*‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’. \p \v 23 “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël \x + \xo 13:23 \xo*\xt Luc 2:11\xt*\x*yon Sovè, Jésus. \p \v 24 “Avan Li te vini \x + \xo 13:24 \xo*\xt Mc 1:1-4\xt*\x*Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la. \v 25 Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, \x + \xo 13:25 \xo*\xt Mat 3:11\xt*\x*li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase. \p \v 26 “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj \x + \xo 13:26 \xo*\xt Jn 6:68\xt*\x*sali sila a voye. \v 27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li. \v 28 Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te \x + \xo 13:28 \xo*\xt Mat 27:22,23\xt*\x*mande Pilate pou li ta fè l mouri. \v 29 Epi lè yo te \x + \xo 13:29 \xo*\xt Trav 26:22\xt*\x*fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te \x + \xo 13:29 \xo*\xt Luc 23:53\xt*\x*retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm. \p \v 30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. \v 31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, \x + \xo 13:31 \xo*\xt Trav 1:3\xt*\x* te wè li, menm sila yo ki koulye a se \x + \xo 13:31 \xo*\xt Luc 24:48\xt*\x*temwen Li a pèp la. \p \v 32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a \x + \xo 13:32 \xo*\xt Wo 4:13\xt*\x*pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, \v 33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan: \q2 \x + \xo 13:33 \xo*\xt Sòm 2:7\xt*\x*‘Ou se Fis Mwen; \q1 jodi a Mwen fè Ou.’ \p \v 34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: \x + \xo 13:34 \xo*\xt És 55:3\xt*\x*‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’ \p \v 35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke \x + \xo 13:35 \xo*\xt Sòm 16:10\xt*\x*‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’ \p \v 36 “Paske David, apre li te sèvi \x + \xo 13:36 \xo*\xt Trav 13:22\xt*\x*plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. \v 37 Men Sila ke Bondye te \x + \xo 13:37 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm. \p \v 38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke \x + \xo 13:38 \xo*\xt Luc 24:47\xt*\x*atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. \v 39 Selon Li menm, \x + \xo 13:39 \xo*\xt Trav 10:43\xt*\x*tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la. \p \v 40 “Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale \x + \xo 13:40 \xo*\xt Luc 24:44\xt*\x*nan pwofèt yo pa vini sou nou: \q2 \v 41 \x + \xo 13:41 \xo*\xt Hab 1:5\xt*\x*‘Gade byen mokè yo; \q1 Vin etone, e peri! \q1 Paske M ap acheve yon zèv nan jou nou yo, \q1 yon zèv ke nou p ap janm kwè, \q1 menmsi yon moun ta eksplike nou li.’” \p \v 42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen \x + \xo 13:42 \xo*\xt Trav 13:14\xt*\x*Saba a. \v 43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak \x + \xo 13:43 \xo*\xt Trav 17:4\xt*\x*pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan \x + \xo 13:43 \xo*\xt Trav 11:23\xt*\x*gras Bondye a. \p \v 44 Nan \x + \xo 13:44 \xo*\xt Trav 13:14\xt*\x*pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a. \p \v 45 Men lè \x + \xo 13:45 \xo*\xt Trav 13:50\xt*\x*Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm. \p \v 46 Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm \x + \xo 13:46 \xo*\xt Trav 3:26\xt*\x*avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen \x + \xo 13:46 \xo*\xt Trav 18:6\xt*\x*n ap vire bò kote pèp etranje yo. \v 47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou: \q2 \x + \xo 13:47 \xo*\xt És 42:6\xt*\x*‘Mwen plase nou kòm yon limyè pou pèp etranje yo, \q1 pou nou ta pote delivrans jiska dènye ekstremite tè a.’” \p \v 48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki \x + \xo 13:48 \xo*\xt Wo 8:28\xt*\x*te nome pou lavi etènèl yo te kwè. \v 49 \x + \xo 13:49 \xo*\xt Trav 13:12\xt*\x*Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an. \p \v 50 Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou \x + \xo 13:50 \xo*\xt Trav 16:14\xt*\x*fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo. \p \v 51 Men \x + \xo 13:51 \xo*\xt Mat 10:14\xt*\x*yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone. \p \v 52 Epi disip yo te kontinye \x + \xo 13:52 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an. \c 14 \p \v 1 Nan Icone \x + \xo 14:1 \xo*\xt Trav 13:5\xt*\x*yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan \x + \xo 14:1 \xo*\xt Trav 2:47\xt*\x*ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè. \p \v 2 Men Jwif ki \x + \xo 14:2 \xo*\xt Jn 3:36\xt*\x*pa t kwè yo te boulvèse lespri pèp etranje yo, e te vin fè yo vin egri kont frè fidèl yo. \p \v 3 Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e \x + \xo 14:3 \xo*\xt Trav 4:29\xt*\x*t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo. \p \v 4 \x + \xo 14:4 \xo*\xt Trav 17:4\xt*\x*Men moun vil yo te divize. Kèk te pran pati a \x + \xo 14:4 \xo*\xt Trav 13:45,50\xt*\x*Jwif yo, e kèk vè apòt yo. \p \v 5 Lè Jwif yo avèk ofisye yo ansanm ak pèp etranje yo te tante maltrete yo, e te fè plan \x + \xo 14:5 \xo*\xt Trav 14:19\xt*\x*lapide yo, \v 6 yo te vin okouran de sa a, e te sove ale nan vil Lycaonie, Lystre, ak \x + \xo 14:6 \xo*\xt Trav 14:20\xt*\x*Derbe yo, ak tout rejyon ozanviwon an. \v 7 Epi la Yo te kontinye \x + \xo 14:7 \xo*\xt Trav 14:15,21\xt*\x*preche bòn nouvèl la. \p \v 8 Nan Lystre te chita yon \x + \xo 14:8 \xo*\xt Trav 3:2\xt*\x*sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache. \v 9 Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen \x + \xo 14:9 \xo*\xt Mat 9:28\xt*\x*lafwa pou l ta geri, \v 10 li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” \x + \xo 14:10 \xo*\xt Trav 3:8\xt*\x*Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache. \p \v 11 Lè foul la te wè sa Paul te fè a, yo te leve vwa yo nan langaj Likaonyen an \x + \xo 14:11 \xo*\xt Trav 28:6\xt*\x*“Se dye yo ki vin sanble ak moun e ki desann vè nou.” \v 12 Konsa, yo te rele Barnabas Jupiter, e Paul Mercure, akoz ke se te li menm ki te chèf pou pale. \p \v 13 Alò, prèt Jupiter a, ki te gen tanp li fenk deyò vil la, te mennen towo bèf avèk kolye flè yo devan pòtay yo pou l \x + \xo 14:13 \xo*\xt Dan 2:46\xt*\x*te ofri sakrifis yo ansanm avèk foul la. \p \v 14 Men lè apòt yo, Barnabas ak Paul te tande sa, yo te \x + \xo 14:14 \xo*\xt Nonb 14:6\xt*\x*chire rad yo. Yo te kouri nan mitan foul la e t ap rele \v 15 “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an \x + \xo 14:15 \xo*\xt Egz 20:11\xt*\x*ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann. \v 16 Nan jenerasyon ki pase yo, Li te \x + \xo 14:16 \xo*\xt Trav 17:30\xt*\x*pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo. \v 17 Men malgre sa \x + \xo 14:17 \xo*\xt Trav 17:26\xt*\x*Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.” \p \v 18 Malgre tout pawòl sa yo, se te avèk difikilte ke yo te anpeche foul la fè sakrifis a yo menm. \p \v 19 Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo \x + \xo 14:19 \xo*\xt Trav 14:5\xt*\x*te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri. \p \v 20 Men pandan \x + \xo 14:20 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*disip yo te kanpe antoure li, li te leve, e te antre nan vil la. \p Nan pwochen jou a, li te sòti avèk Barnabas pou rive Derbe. \v 21 Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e \x + \xo 14:21 \xo*\xt Trav 2:47\xt*\x*te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. \v 22 La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan \x + \xo 14:22 \xo*\xt Trav 6:7\xt*\x*lafwa, e te di: \x + \xo 14:22 \xo*\xt Jn 16:33\xt*\x*“Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.” \v 23 \x + \xo 14:23 \xo*\xt Tit 1:5\xt*\x*Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, \x + \xo 14:23 \xo*\xt Trav 13:3\xt*\x*priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a. \p \v 24 Konsa, yo te travèse \x + \xo 14:24 \xo*\xt Trav 13:14\xt*\x*Pisidie, pou rive \x + \xo 14:24 \xo*\xt Trav 13:13\xt*\x*Pamphylie. \v 25 Lè yo te fin pale pawòl la nan Perge, yo te desann Attalie. \p \v 26 Soti la yo te pran bato a vwal pou rive Antioche. Se te la menm yo te \x + \xo 14:26 \xo*\xt Trav 11:23\xt*\x*premyèman kòmande pa gras Bondye a pou zèv ke yo te fenk fin akonpli a. \v 27 Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te komanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri \x + \xo 14:27 \xo*\xt I Kwo 16:9\xt*\x*pòt lafwa a pèp etranje yo. \v 28 La yo te pase anpil tan avèk \x + \xo 14:28 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*disip yo. \c 15 \p \v 1 \x + \xo 15:1 \xo*\xt Trav 15:24\xt*\x*Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.” \p \v 2 Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak \x + \xo 15:2 \xo*\xt Trav 15:7\xt*\x*deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a. \v 3 Konsa \x + \xo 15:3 \xo*\xt Trav 20:38\xt*\x*voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil. \p \v 4 Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon \x + \xo 15:4 \xo*\xt Trav 14:27\xt*\x*rapò konple de tout sa ke Bondye te fè avèk yo. \p \v 5 Men \x + \xo 15:5 \xo*\xt Trav 26:5\xt*\x*kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou \x + \xo 15:5 \xo*\xt I Kwo 7:18\xt*\x*sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.” \p \v 6 \x + \xo 15:6 \xo*\xt Trav 11:30\xt*\x*Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a. \p \v 7 Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl \x + \xo 15:7 \xo*\xt Trav 20:24\xt*\x*levanjil la, e vin kwè. \v 8 Bondye \x + \xo 15:8 \xo*\xt Trav 1:24\xt*\x*ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te \x + \xo 15:8 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an. \v 9 \x + \xo 15:9 \xo*\xt Trav 10:28,34\xt*\x*Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa. \p \v 10 “Alò konsa, poukisa nou \x + \xo 15:10 \xo*\xt Trav 5:9\xt*\x*mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote? \v 11 Men nou kwè ke nou sove pa \x + \xo 15:11 \xo*\xt Wo 3:24\xt*\x*lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.” \p \v 12 Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap \x + \xo 15:12 \xo*\xt Trav 14:27\xt*\x*eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo. \p \v 13 Apre yo te fin pale \x + \xo 15:13 \xo*\xt Trav 12:17\xt*\x*Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen. \v 14 \x + \xo 15:14 \xo*\xt Trav 15:7\xt*\x*Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li. \v 15 Epi avèk sa a, pawòl a \x + \xo 15:15 \xo*\xt Trav 13:40\xt*\x*pwofèt yo dakò, jis jan sa ekri a: \q2 \v 16 \x + \xo 15:16 \xo*\xt Am 9:11\xt*\x*‘Apre bagay sa yo Mwen va retounen. \q1 Mwen va rebati tabènak David ki te tonbe a. \q1 Mwen va rebati ranblè li yo, \q1 e Mwen va restore li \q2 \v 17 pou \x + \xo 15:17 \xo*\xt Am 9:12\xt*\x*tout rès limanite a kapab chache Bondye, \q1 ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’ \q2 \v 18 di Senyè a ki \x + \xo 15:18 \xo*\xt És 45:21\xt*\x*fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an. \p \v 19 “Konsa, se \x + \xo 15:19 \xo*\xt Trav 15:28\xt*\x*jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, \v 20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak \x + \xo 15:20 \xo*\xt Lev 18:6-23\xt*\x*imoralite seksyèl, ak \x + \xo 15:20 \xo*\xt Lev 17:14\xt*\x*vyann sa ki toufe, ak san. \v 21 Paske \x + \xo 15:21 \xo*\xt Trav 13:15\xt*\x*Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li kon li nan sinagòg yo chak Saba.” \p \v 22 Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak \x + \xo 15:22 \xo*\xt Trav 15:27,32,40\xt*\x*Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo. \v 23 Yo te voye lèt sa a avèk yo: \p “\x + \xo 15:23 \xo*\xt Trav 15:2\xt*\x*Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon. \p \v 24 “Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap \x + \xo 15:24 \xo*\xt Gal 1:7\xt*\x*twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou, \v 25 \x + \xo 15:25 \xo*\xt Trav 15:28\xt*\x*li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul. \v 26 Se mesye yo ki \x + \xo 15:26 \xo*\xt Trav 9:23\xt*\x*riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri. \p \v 27 “Konsa, nou voye \x + \xo 15:27 \xo*\xt Trav 15:22,32\xt*\x*Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo. \p \v 28 “Paske li te parèt bon \x + \xo 15:28 \xo*\xt Trav 5:32\xt*\x*pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: \v 29 pou nou evite \x + \xo 15:29 \xo*\xt Trav 15:20\xt*\x*bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.” \p \v 30 Donk, lè yo te voye yo ale, yo te \x + \xo 15:30 \xo*\xt Trav 15:22\xt*\x*desann Antioche. Yo te ransanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la. \v 31 Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay. \v 32 Jude ak Silas, ki te \x + \xo 15:32 \xo*\xt Trav 13:1\xt*\x*pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long. \p \v 33 Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo. \v 34 Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la. \p \v 35 Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou \x + \xo 15:35 \xo*\xt Trav 8:4\xt*\x*preche e enstwi pawòl Senyè a. \p \v 36 Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite \x + \xo 15:36 \xo*\xt Trav 13:4,13,14,51\xt*\x*chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.” \p \v 37 Barnabas te vle pran \x + \xo 15:37 \xo*\xt Trav 12:12\xt*\x*Jean Marc pou ale avèk yo tou. \p \v 38 Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te \x + \xo 15:38 \xo*\xt Trav 13:13\xt*\x*abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la. \p \v 39 Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou \x + \xo 15:39 \xo*\xt Trav 4:36\xt*\x*Chypre. \p \v 40 Men Paul te chwazi \x + \xo 15:40 \xo*\xt Trav 15:22\xt*\x*Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a. \v 41 Li te vwayaje travèse \x + \xo 15:41 \xo*\xt Mat 4:24\xt*\x*Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo. \c 16 \p \v 1 Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre. \p Yon disip yo te rele \x + \xo 16:1 \xo*\xt Trav 17:14\xt*\x*Timothée te la, Fis a yon \x + \xo 16:1 \xo*\xt II Tim 1:5\xt*\x*fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk. \v 2 Tout \x + \xo 16:2 \xo*\xt Trav 16:40\xt*\x*frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li. \v 3 Paul te vle Timothée ale avè l. Pou rezon sa a, \x + \xo 16:3 \xo*\xt Gal 2:3\xt*\x* li te fè li sikonsi, akoz Jwif ki te nan landwa sila yo. Paske yo tout te konnen ke papa l se te yon Grèk. \p \v 4 Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay \x + \xo 16:4 \xo*\xt Trav 15:28\xt*\x*desizyon a ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem. \v 5 Donk \x + \xo 16:5 \xo*\xt Trav 9:31\xt*\x*legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap \x + \xo 16:5 \xo*\xt Trav 2:47\xt*\x*grandi an nonb chak jou. \p \v 6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak \x + \xo 16:6 \xo*\xt Trav 18:23\xt*\x*Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie. \v 7 Lè yo te vini Mysie, yo te eseye antre Bithynie, men \x + \xo 16:7 \xo*\xt Luc 24:49\xt*\x*Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. \v 8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann \x + \xo 16:8 \xo*\xt Trav 16:11\xt*\x*Troas. \p \v 9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin \x + \xo 16:9 \xo*\xt Trav 16:10,12\xt*\x*Macédoine pou ede nou.” \v 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te \x + \xo 16:10 \xo*\xt Trav 16:10-17\xt*\x*chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm. \p \v 11 Donk, nou te pran vwal sou lanmè soti \x + \xo 16:11 \xo*\xt Trav 16:8\xt*\x*Troas. Nou te kouri tou dwat pou Samothrace, e nan jou swivan an, pou Néapolis. \v 12 Nou te kite la pou \x + \xo 16:12 \xo*\xt Trav 20:6\xt*\x*Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou. \p \v 13 Nan \x + \xo 16:13 \xo*\xt Trav 13:14\xt*\x*jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo. \p \v 14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon \x + \xo 16:14 \xo*\xt Trav 18:7\xt*\x*adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te \x + \xo 16:14 \xo*\xt Luc 24:45\xt*\x*louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. \v 15 Lè li menm ak \x + \xo 16:15 \xo*\xt Trav 11:4\xt*\x*tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa. \p \v 16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, te gen yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon \x + \xo 16:16 \xo*\xt Lev 19:31\xt*\x*Lespri divinasyon. Li te konn fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap rive yo. \v 17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè yo a \x + \xo 16:17 \xo*\xt Mc 5:7\xt*\x*Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a.” \v 18 Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou. \p Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou \x + \xo 16:18 \xo*\xt Luc 10:17\xt*\x*nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an. \p \v 19 Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou \x + \xo 16:19 \xo*\xt Trav 16:16\xt*\x*fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas. Yo te \x + \xo 16:19 \xo*\xt Trav 17:6\xt*\x*trennen yo nan mache a devan otorite yo. \v 20 Lè yo te mennen yo a chèf majistra yo, yo te di: “Mesye sa yo se Jwif yo k ap boulvèse vil nou an. \v 21 Y ap \x + \xo 16:21 \xo*\xt Est 3:8\xt*\x*pwoklame koutim ki pa pèmèt pou nou aksepte ni obsève kòm Women.” \p \v 22 Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo. Yo te kòmande pou yo bat yo avèk baton. \p \v 23 Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande \x + \xo 16:23 \xo*\xt Trav 16:27,36\xt*\x*jandam prizon an pou veye yo de prè. \v 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo \x + \xo 16:24 \xo*\xt Job 13:27\xt*\x*nan chèn. \p \v 25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e \x + \xo 16:25 \xo*\xt Ef 5:19\xt*\x*chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo. \p \v 26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman \x + \xo 16:26 \xo*\xt Trav 12:10\xt*\x*tout pòt prizon an te vin louvri, e \x + \xo 16:26 \xo*\xt Trav 12:7\xt*\x*chèn tout moun te vin detache. \p \v 27 \x + \xo 16:27 \xo*\xt Trav 16:23,36\xt*\x* Jandam prizon an te leve nan dòmi, e lè l te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe \x + \xo 16:27 \xo*\xt Trav 12:19\xt*\x*pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape. \p \v 28 Men Paul te kriye ak yon vwa fò pou di l: “Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!” \p \v 29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan \x + \xo 16:29 \xo*\xt Trav 16:19\xt*\x*Paul ak Silas, \v 30 te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo \x + \xo 16:30 \xo*\xt Trav 2:37\xt*\x*kisa mwen dwe fè pou m ta sove?” \p \v 31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk \x + \xo 16:31 \xo*\xt Trav 11:14\xt*\x*lakay ou.” \v 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo. \p \v 33 Li te pran yo \x + \xo 16:33 \xo*\xt Trav 16:25\xt*\x*nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. \v 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk \x + \xo 16:34 \xo*\xt Trav 11:14\xt*\x*tout lakay li. \p \v 35 Alò, lè jounen an te rive, chèf majistra yo te voye jandam yo pou di: “Lage moun sa yo.” \p \v 36 \x + \xo 16:36 \xo*\xt Trav 16:27\xt*\x*Jandam prizon an te fè rapò sa a bay Paul. Li te di: “Chèf majistra yo gen tan voye lage nou. Konsa, vin deyò kounye a e ale \x + \xo 16:36 \xo*\xt Trav 15:33\xt*\x*anpè.” \p \v 37 Men Paul te di yo: “Yo gen tan bat nou an piblik san jijman, \x + \xo 16:37 \xo*\xt Trav 22:25-29\xt*\x*moun ki se sitwayen Women, e yo te jete nou nan prizon. Alò, koulye a y ap voye nou ale an sekrè? Anverite, non! Men kite yo vini yo menm, pou mete nou deyò.” \p \v 38 Jandam yo te bay rapò a pawòl sila yo bay chèf majistra yo. \x + \xo 16:38 \xo*\xt Trav 22:29\xt*\x*Yo te pè lè yo te tande ke se te Women yo te ye. \v 39 Yo te vini pou te fè apèl ak yo, e lè yo te fin lage yo, yo te mande yo \x + \xo 16:39 \xo*\xt Mat 8:34\xt*\x*pou kite vil la. \p \v 40 Yo te kite prizon an e te antre lakay Lydie. Lè yo te wè frè yo, yo te ankouraje yo, e yo te pati. \c 17 \p \v 1 Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive \x + \xo 17:1 \xo*\xt Trav 17:11,13\xt*\x*Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif. \p \v 2 Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa \x + \xo 17:2 \xo*\xt Trav 13:14\xt*\x*Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo. \v 3 Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la \x + \xo 17:3 \xo*\xt Trav 3:18\xt*\x*te oblije soufri e \x + \xo 17:3 \xo*\xt Jn 20:9\xt*\x*leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.” \p \v 4 Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite \x + \xo 17:4 \xo*\xt Trav 13:43\xt*\x*Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite \x + \xo 17:4 \xo*\xt Trav 13:50\xt*\x*fanm enpòtan. \p \v 5 Men \x + \xo 17:5 \xo*\xt Trav 17:13\xt*\x*Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la. \p \v 6 Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout \x + \xo 17:6 \xo*\xt Mat 24:14\xt*\x*mond lan rive isit la tou. \v 7 Se Jason ki \x + \xo 17:7 \xo*\xt Luc 10:38\xt*\x*resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!” \v 8 Foul la ak chèf yo te byen twouble lè yo tande bagay sa yo. \p \v 9 Lè yo te resevwa yon bon garanti nan men \x + \xo 17:9 \xo*\xt Trav 17:5\xt*\x*Jason ak lòt yo, yo te lage yo. \p \v 10 Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan \x + \xo 17:10 \xo*\xt Trav 17:13\xt*\x*Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo. \p \v 11 Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan \x + \xo 17:11 \xo*\xt Trav 17:1\xt*\x*Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa. \v 12 Konsa, anpil nan yo te vin kwè, ansanm avèk plizyè mesye ak fanm Grèk enpòtan yo. \p \v 13 Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan \x + \xo 17:13 \xo*\xt Trav 17:10\xt*\x*Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la. \p \v 14 Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e \x + \xo 17:14 \xo*\xt Trav 15:22\xt*\x*Silas ak \x + \xo 17:14 \xo*\xt Trav 16:1\xt*\x*Timothée te rete la. \v 15 Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska \x + \xo 17:15 \xo*\xt Trav 17:16,21\xt*\x*Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale. \p \v 16 Pandan Paul t ap tann yo nan \x + \xo 17:16 \xo*\xt Trav 17:15,21\xt*\x*Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl. \p \v 17 Konsa, li t ap rezone \x + \xo 17:17 \xo*\xt Trav 9:20\xt*\x*nan sinagòg la avèk Jwif yo \x + \xo 17:17 \xo*\xt Trav 17:4\xt*\x*ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rakontre. \p \v 18 Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche \x + \xo 17:18 \xo*\xt Trav 4:2\xt*\x*Jésus ak rezirèksyon an. \p \v 19 Konsa, yo te \x + \xo 17:19 \xo*\xt Trav 23:19\xt*\x*pran li e te mennen li nan Aréopage la. Yo te di l: “Èske ou kapab eksplike nou nouvo ansèyman sila a, ke w ap pwoklame a. \v 20 Paske w ap pote kèk bagay byen dwòl nan zòrèy nou. Konsa, nou vle konnen kisa bagay sa yo vle di.” \v 21 (Alò, tout Atenyen yo ak lòt etranje ki t ap \x + \xo 17:21 \xo*\xt Trav 2:10\xt*\x*vizite la yo te konn pase tout tan yo nan pale, oswa nan tande kèk lide nèf.) \p \v 22 Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun \x + \xo 17:22 \xo*\xt Trav 25:19\xt*\x*ki renmen adore nan tout sans. \v 23 Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine \x + \xo 17:23 \xo*\xt II Tes 2:4\xt*\x*objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon otèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou. \p \v 24 \x + \xo 17:24 \xo*\xt És 42:5\xt*\x*“Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se \x + \xo 17:24 \xo*\xt Det 10:14\xt*\x*Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. \v 25 Ni li pa sèvi pa men moun \x + \xo 17:25 \xo*\xt Job 22:2\xt*\x*kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay. \p \v 26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja \x + \xo 17:26 \xo*\xt Det 32:8\xt*\x*detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; \v 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, \x + \xo 17:27 \xo*\xt Det 4:7\xt*\x*malgre ke Li pa lwen de chak en de nou. \p \v 28 “‘Paske \x + \xo 17:28 \xo*\xt Job 12:10\xt*\x*nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ \v 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou \x + \xo 17:29 \xo*\xt És 40:18\xt*\x*pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa da ak refleksyon a lòm. \p \v 30 “Bondye \x + \xo 17:30 \xo*\xt Trav 14:16\xt*\x*pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, \v 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke \x + \xo 17:31 \xo*\xt Sòm 9:8\xt*\x*Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.” \p \v 32 Alò, lè yo te tande de \x + \xo 17:32 \xo*\xt Trav 17:18,31\xt*\x*rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”. \p \v 33 Konsa Paul te sòti nan mitan yo. \p \v 34 Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo. \c 18 \p \v 1 Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale \x + \xo 18:1 \xo*\xt Trav 18:8\xt*\x*Corinthe. \p \v 2 Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele \x + \xo 18:2 \xo*\xt Trav 18:18,26\xt*\x*Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo. \v 3 Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e \x + \xo 18:3 \xo*\xt Trav 20:34\xt*\x*yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye. \v 4 Li t ap rezone nan sinagòg la chak \x + \xo 18:4 \xo*\xt Trav 13:14\xt*\x*Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè. \p \v 5 Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou \x + \xo 18:5 \xo*\xt Trav 20:21\xt*\x*temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te \x + \xo 18:5 \xo*\xt Trav 17:3\xt*\x*Jésus ki te Kris la. \v 6 Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke \x + \xo 18:6 \xo*\xt II Sam 1:16\xt*\x*san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a \x + \xo 18:6 \xo*\xt Trav 13:46\xt*\x*mwen va ale kote pèp etranje yo.” \p \v 7 Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè \x + \xo 18:7 \xo*\xt Trav 13:43\xt*\x*Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la. \p \v 8 \x + \xo 18:8 \xo*\xt II Sam 1:16\xt*\x*Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a \x + \xo 18:8 \xo*\xt Trav 13:46\xt*\x*avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize. \p \v 9 Epi Senyè a te di Paul nan yon \x + \xo 18:9 \xo*\xt Trav 9:10\xt*\x*vizyon pandan nwit lan: \wj “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans;\wj* \v 10 \wj paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” \wj* \v 11 Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo. \p \v 12 Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië \x + \xo 18:12 \xo*\xt I Tes 2:1\xt*\x*Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan \x + \xo 18:12 \xo*\xt Mat 27:19\xt*\x*chèz jijman an. \v 13 Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye \x + \xo 18:13 \xo*\xt Jn 19:7\xt*\x*kont lalwa a.” \p \v 14 Men lè Paul te prèt pou \x + \xo 18:14 \xo*\xt Mat 5:2\xt*\x*louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen. \v 15 Men si gen \x + \xo 18:15 \xo*\xt Trav 23:29\xt*\x*kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.” \v 16 Epi li te chase yo sòti devan \x + \xo 18:16 \xo*\xt Mat 27:19\xt*\x*chèz jijman an. \p \v 17 Konsa, yo tout te sezi \x + \xo 18:17 \xo*\xt I Kwo 1:1\xt*\x*Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm. \p \v 18 Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées \x + \xo 18:18 \xo*\xt Nonb 6:2,5,9,18\xt*\x*li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve. \p \v 19 Yo te rive \x + \xo 18:19 \xo*\xt Trav 18:21,24\xt*\x*Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo. \v 20 Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò, \v 21 men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò \x + \xo 18:21 \xo*\xt Wo 1:10\xt*\x*si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse. \p \v 22 Lè l te rive \x + \xo 18:22 \xo*\xt Trav 8:40\xt*\x*Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann \x + \xo 18:22 \xo*\xt Trav 11:19\xt*\x*Antioche. \p \v 23 Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a \x + \xo 18:23 \xo*\xt Trav 16:6\xt*\x*Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo. \p \v 24 Alò, yon sèten Jwif ki te rele \x + \xo 18:24 \xo*\xt Trav 19:1\xt*\x*Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse. \v 25 Mesye sa te enstwi \x + \xo 18:25 \xo*\xt Trav 9:2\xt*\x*nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman \x + \xo 18:25 \xo*\xt Luc 7:29\xt*\x*batèm a Jean an. \v 26 Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè \x + \xo 18:26 \xo*\xt Trav 18:2,18\xt*\x*Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè. \p \v 27 Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a \x + \xo 18:27 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. \v 28 Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre \x + \xo 18:28 \xo*\xt Trav 8:35\xt*\x*atravè Ekriti Sen yo ke \x + \xo 18:28 \xo*\xt Trav 18:5\xt*\x*Jésus se te Kris la. \c 19 \p \v 1 Li te rive pandan ke \x + \xo 19:1 \xo*\xt I Kwo 1:12\xt*\x*Apollos te Corinthe, Paul te travèse \x + \xo 19:1 \xo*\xt Trav 18:23\xt*\x*peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip. \v 2 Li te mande yo: \x + \xo 19:2 \xo*\xt Trav 8:15\xt*\x*“Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?” \p Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.” \p \v 3 Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?” \p Yo te reponn: \x + \xo 19:3 \xo*\xt Luc 7:29\xt*\x*“Nan batèm a Jean an”. \p \v 4 Konsa, Paul te di: \x + \xo 19:4 \xo*\xt Mat 3:11\xt*\x*“Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.” \v 5 Lè yo te tande sa, yo te \x + \xo 19:5 \xo*\xt Trav 8:12,16\xt*\x*batize nan non Senyè a Jésus Kri. \v 6 Pandan Paul te \x + \xo 19:6 \xo*\xt Trav 8:17\xt*\x*poze men l sou yo, Lespri Sen an te vini sou yo, e yo te kòmanse \x + \xo 19:6 \xo*\xt Trav 2:4\xt*\x*pale avèk lang ak pwofetize. \v 7 Te gen an tou, anviwon douz mesye. \p \v 8 Paul te antre nan \x + \xo 19:8 \xo*\xt Trav 9:20\xt*\x*sinagòg la, e te kontinye pale avèk gran kouraj pandan anviwon twa mwa. Li t ap rezone pou fè yo kwè \x + \xo 19:8 \xo*\xt Trav 1:3\xt*\x*selon wayòm Bondye a. \p \v 9 Men lè \x + \xo 19:9 \xo*\xt Trav 14:4\xt*\x*kèk t ap vin ensansib e dezobeyisan, e t ap pale mal de \x + \xo 19:9 \xo*\xt Trav 9:2\xt*\x*Chemen an devan foul la, li te kite yo e te separe disip yo. Konsa, yo t ap rezone chak jou nan lekòl Tyrannus la. \v 10 Sa te fèt pandan dezan, pou tout sila ki te rete an \x + \xo 19:10 \xo*\xt Trav 16:6\xt*\x*Asie yo ta tande pawòl Senyè a, ni Grèk, ni Jwif. \p \v 11 Bondye t ap fè mirak \x + \xo 19:11 \xo*\xt Trav 8:13\xt*\x*ekstrawòdinè pa men Paul \v 12 \x + \xo 19:12 \xo*\xt Trav 5:5\xt*\x*jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti. \p \v 13 Men osi kèk nan Jwif \x + \xo 19:13 \xo*\xt Mat 12:27\xt*\x*ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.” \v 14 Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a. \p \v 15 Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?” \p \v 16 Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese. \p \v 17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete \x + \xo 19:17 \xo*\xt Trav 18:19\xt*\x*Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran. \p \v 18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. \v 19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil \x + \xo 19:19 \xo*\xt Luc 15:8\xt*\x*pyès dajan. \v 20 Konsa pawòl Senyè a \x + \xo 19:20 \xo*\xt Trav 6:7\xt*\x*t ap grandi ak pwisans, e t ap renye. \p \v 21 Alò apre bagay sa yo te fini, Paul te pwopoze nan Lespri a, pou lè l te fin travèse Macédoine ak Achaïe, pou \x + \xo 19:21 \xo*\xt Trav 20:16\xt*\x*ale Jérusalem. Li te di: “Apre mwen fin rive la \x + \xo 19:21 \xo*\xt Trav 23:11\xt*\x*mwen dwe wè Rome tou.” \v 22 Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye \x + \xo 19:22 \xo*\xt Trav 16:1\xt*\x*Timothée ak \x + \xo 19:22 \xo*\xt Wo 16:23\xt*\x*Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine. \p \v 23 Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an. \p \v 24 Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè \x + \xo 19:24 \xo*\xt Trav 16:16,19\xt*\x*kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a. \v 25 Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a. \v 26 Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke \x + \xo 19:26 \xo*\xt Det 4:28\xt*\x*dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm. \v 27 Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak \x + \xo 19:27 \xo*\xt Mat 24:14\xt*\x*lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.” \p \v 28 Lè yo te tande sa, yo te vin ranpli ak raj. Yo te kòmanse kriye fò e t ap di: “Gran se Artimis \x + \xo 19:28 \xo*\xt Trav 18:19\xt*\x*Efezyen yo!” \v 29 Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak \x + \xo 19:29 \xo*\xt Trav 20:4\xt*\x*Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo. \p \v 30 Lè Paul te vle antre nan asanble a, \x + \xo 19:30 \xo*\xt Trav 19:19\xt*\x*disip yo te anpeche li. \v 31 Anplis, kèk nan ofisye Lazi ki te zanmi li yo te voye di l plizyè fwa pou l pa antre nan teyat la. \p \v 32 \x + \xo 19:32 \xo*\xt Trav 21:34\xt*\x*Alò konsa, kèk nan yo t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt, paske tout asanble a te nan konfizyon. Pifò pa t menm konnen pou ki rezon yo te vin reyini ansanm nan. \p \v 33 Jwif yo te mennen Alexander devan foul a. Li t ap \x + \xo 19:33 \xo*\xt Trav 12:17\xt*\x*fè sinyal avèk men l, konsi li t ap prezante yon defans a foul la. \v 34 Men lè yo te vin konprann ke se te yon Jwif li te ye, yon gwo kri te leve pami foul la. Yo te kontinye rele pandan anviwon dezè de tan: “Gran se Artimis a Efezyen yo!” \p \v 35 Apre li te fin kalme foul la, sekretè vil la te di: “Mesye \x + \xo 19:35 \xo*\xt Trav 18:19\xt*\x*Éphèse yo, se ki moun pami nou ki pa konnen, lavil Éphèse se gadyen tanp a gran Artimis la, imaj a sila ki te tonbe sòti nan syèl la? \v 36 Alò akoz ke bagay sa yo pa kapab demanti, nou ta dwe rete kalm e pa fè anyen ki pa saj. \v 37 Paske nou fè mesye sila yo vini isit la, ki pa ni \x + \xo 19:37 \xo*\xt Wo 2:22\xt*\x*vòlè tanp lan, ni yo pa blasfeme deyès nou an. \v 38 Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e \x + \xo 19:38 \xo*\xt Trav 13:7\xt*\x*pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt. \p \v 39 “Men si nou vle yon bagay anplis ke sa, sa gen pou regle nan asanble jistis la. \v 40 Paske vrèman, nou an danje akizasyon de soulèvman akoz sa ki pase la jodi a. Nanpwen rezon pou li. Konsa, nou p ap kapab rann kont pou asanble a ki an dezòd konsa.” \v 41 Lè l fin di sa, li te ranvwaye asanble a. \c 20 \p \v 1 Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou \x + \xo 20:1 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale \x + \xo 20:1 \xo*\xt Trav 16:9\xt*\x*Macédoine. \v 2 Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce. \p \v 3 Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon \x + \xo 20:3 \xo*\xt Trav 9:23\xt*\x*konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine. \v 4 Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis \x + \xo 20:4 \xo*\xt Trav 19:29\xt*\x*Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak \x + \xo 20:4 \xo*\xt Trav 21:29\xt*\x*Trophime ki sòti an Asie. \v 5 Men sila yo te ale avan, e t ap tann \x + \xo 20:5 \xo*\xt Trav 16:10\xt*\x*nou \x + \xo 20:5 \xo*\xt Trav 16:8\xt*\x*Troas. \p \v 6 Nou te pran bato a vwal soti \x + \xo 20:6 \xo*\xt Trav 16:12\xt*\x*Philippes, apre \x + \xo 20:6 \xo*\xt Trav 12:3\xt*\x*jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou. \v 7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou \x + \xo 20:7 \xo*\xt Trav 2:42\xt*\x*kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi. \v 8 Te gen anpil lanp nan \x + \xo 20:8 \xo*\xt Trav 1:13\xt*\x*chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan. \p \v 9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy. \p Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri. \p \v 10 Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, \x + \xo 20:10 \xo*\xt Mat 9:23\xt*\x*li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.” \v 11 Lè Paul te fin remonte \x + \xo 20:11 \xo*\xt Trav 2:42\xt*\x*e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati. \v 12 Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte. \p \v 13 Men \x + \xo 20:13 \xo*\xt Trav 16:10\xt*\x*nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè. \v 14 Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn. \p \v 15 Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive \x + \xo 20:15 \xo*\xt Trav 20:17\xt*\x*Milèt. \p \v 16 Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te \x + \xo 20:16 \xo*\xt Trav 19:21\xt*\x*rive Jérusalem, si se te posib \x + \xo 20:16 \xo*\xt Trav 2:1\xt*\x*nan jou Fèt Lapannkot la. \p \v 17 Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele \x + \xo 20:17 \xo*\xt Trav 11:30\xt*\x*ansyen a legliz yo pou rive kote l. \v 18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke \x + \xo 20:18 \xo*\xt Trav 18:19\xt*\x*depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan \v 19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz \x + \xo 20:19 \xo*\xt Trav 20:3\xt*\x*konplo a Jwif yo. \v 20 Kòman mwen \x + \xo 20:20 \xo*\xt Trav 20:27\xt*\x*pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. \v 21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de \x + \xo 20:21 \xo*\xt Trav 2:38\xt*\x*repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri. \p \v 22 “Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, \x + \xo 20:22 \xo*\xt Trav 17:16\xt*\x*mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la, \v 23 sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen. \v 24 Men \x + \xo 20:24 \xo*\xt Trav 21:13\xt*\x*mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab \x + \xo 20:24 \xo*\xt Trav 13:25\xt*\x*fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a. \p \v 25 “Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te \x + \xo 20:25 \xo*\xt Mat 4:23\xt*\x*preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò. \v 26 Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke \x + \xo 20:26 \xo*\xt Trav 18:6\xt*\x*mwen inosan de san tout moun. \v 27 Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout \x + \xo 20:27 \xo*\xt Trav 13:36\xt*\x*volonte a Bondye a nèt. \p \v 28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke \x + \xo 20:28 \xo*\xt Ef 1:7,14\xt*\x*Li te achte avèk pwòp san Li. \p \v 29 “Mwen konnen ke apre mwen pati, \x + \xo 20:29 \xo*\xt Éz 22:27\xt*\x*lou sovaj va vini pami nou, loup ki p ap fè gras menm a bann twoupo a. \v 30 Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene \x + \xo 20:30 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*disip yo pou yo ta swiv yo. \v 31 Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou \x + \xo 20:31 \xo*\xt Trav 20:19\xt*\x*avèk dlo nan zye m. \p \v 32 “Epi koulye a, mwen \x + \xo 20:32 \xo*\xt Trav 14:23\xt*\x*rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo. \p \v 33 \x + \xo 20:33 \xo*\xt I Kwo 9:4-18\xt*\x*“Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. \v 34 Nou menm nou konnen ke \x + \xo 20:34 \xo*\xt Trav 18:3\xt*\x*men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. \v 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: \wj ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ \wj*” \p \v 36 Lè l te fin di bagay sa yo, li te \x + \xo 20:36 \xo*\xt Trav 9:40\xt*\x*mete l a jenou, e te priye avèk yo tout. \p \v 37 Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te \x + \xo 20:37 \xo*\xt Luc 15:20\xt*\x*anbrase Paul, e t ap bo l anpil. \v 38 Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou \x + \xo 20:38 \xo*\xt Trav 20:25\xt*\x*pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a. \c 21 \p \v 1 Lè nou te rive \x + \xo 21:1 \xo*\xt Trav 16:10\xt*\x*nou te kite yo pou pran bato a vwal. \p Nou te kouri toudwat pou Cos, jou apre a pou Rhodes, epi soti la a pou Patara. \p \v 2 Lè nou te twouve yon bato ki t ap travèse vè \x + \xo 21:2 \xo*\xt Trav 11:19\xt*\x*Phénicie, nou te monte e pran vwal. \v 3 Lè nou te vin wè \x + \xo 21:3 \xo*\xt Trav 4:36\xt*\x*Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li. \p \v 4 Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul \x + \xo 21:4 \xo*\xt Trav 20:23\xt*\x*selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem. \p \v 5 Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te \x + \xo 21:5 \xo*\xt Luc 22:41\xt*\x*mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt. \v 6 Answit, nou te monte bato a, e yo te retounen\x + \xo 21:6 \xo*\xt Jn 19:27\xt*\x*lakay yo ankò. \p \v 7 Lè nou te fin fè vwayaj la sòti \x + \xo 21:7 \xo*\xt Trav 12:20\xt*\x*Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou. \p \v 8 Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay \x + \xo 21:8 \xo*\xt Trav 6:5\xt*\x*Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li. \v 9 Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te \x + \xo 21:9 \xo*\xt Luc 2:36\xt*\x*pwofetès. \p \v 10 Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée. \v 11 Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: \x + \xo 21:11 \xo*\xt Trav 8:29\xt*\x*“Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo \x + \xo 21:11 \xo*\xt Trav 21:33\xt*\x*va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.” \p \v 12 Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou \x + \xo 21:12 \xo*\xt Trav 21:15\xt*\x*pa monte Jérusalem. \p \v 13 Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou \x + \xo 21:13 \xo*\xt Trav 5:41\xt*\x*non Senyè Jésus a.” \p \v 14 Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!” \p \v 15 Apre jou sa yo, nou te prepare pou \x + \xo 21:15 \xo*\xt Trav 21:12\xt*\x*kòmanse fè wout nou pou monte Jérusalem. \v 16 Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon \x + \xo 21:16 \xo*\xt Trav 15:7\xt*\x*disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete. \p \v 17 Apre nou te rive Jérusalem \x + \xo 21:17 \xo*\xt Trav 1:15\xt*\x*frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan. \p \v 18 Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè \x + \xo 21:18 \xo*\xt Trav 12:17\xt*\x*Jacques, epi tout ansyen yo te la. \v 19 Apre li te salye yo, li te \x + \xo 21:19 \xo*\xt Trav 14:27\xt*\x*kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè \x + \xo 21:19 \xo*\xt Trav 1:17\xt*\x*ministè pa li a. \p \v 20 Lè yo te tande sa yo te kòmanse \x + \xo 21:20 \xo*\xt Mat 9:8\xt*\x*bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak \x + \xo 21:20 \xo*\xt Trav 15:1\xt*\x*zèl pou Lalwa a. \v 21 Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo \x + \xo 21:21 \xo*\xt I Kwo 7:18\xt*\x*pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon \x + \xo 21:21 \xo*\xt Trav 6:14\xt*\x*koutim nou yo. \v 22 Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini. \p \v 23 “Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki \x + \xo 21:23 \xo*\xt Nonb 6:13-21\xt*\x*anba yon ve. \v 24 Pran yo avèk ou, \x + \xo 21:24 \xo*\xt Jn 11:55\xt*\x*pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a. \p \v 25 “Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri \x + \xo 21:25 \xo*\xt Trav 15:19,29\xt*\x*selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.” \p \v 26 Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te \x + \xo 21:26 \xo*\xt Nonb 6:13\xt*\x*antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak. \p \v 27 Lè \x + \xo 21:27 \xo*\xt Nonb 6:9; 13:20\xt*\x*sèt jou yo te prèske fini \x + \xo 21:27 \xo*\xt Trav 20:19\xt*\x*Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li. \v 28 Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! \x + \xo 21:28 \xo*\xt Trav 6:13\xt*\x*Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.” \v 29 Paske avan yo te konn wè Trophime, \x + \xo 21:29 \xo*\xt Trav 18:19\xt*\x*Efezyen an nan vil la avèk li, e yo te sipoze ke Paul te mennen l nan tanp lan. \p \v 30 Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te \x + \xo 21:30 \xo*\xt II Wa 11:15\xt*\x*rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen. \v 31 Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan \x + \xo 21:31 \xo*\xt Trav 10:1\xt*\x*Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse. \v 32 Lapoula li te \x + \xo 21:32 \xo*\xt Trav 23:27\xt*\x*pran sòlda yo avèk santenye yo, e te kouri desann kote yo. Lè yo te wè sòlda yo avèk kòmandan an, yo te sispann bat Paul. \p \v 33 Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li \x + \xo 21:33 \xo*\xt Trav 20:23\xt*\x*mare avèk \x + \xo 21:33 \xo*\xt Trav 12:16\xt*\x*de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè. \v 34 Men pami foul la \x + \xo 21:34 \xo*\xt Trav 19:32\xt*\x*kèk t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt bagay. Lè l pa t kapab twouve laverite ki koze tout boulvèsman an, li te mande yo mennen l nan kazèn nan. \v 35 Lè l te rive nan \x + \xo 21:35 \xo*\xt Trav 21:40\xt*\x*eskalye a, sòlda yo te pote li akoz vyolans a foul la; \v 36 paske yon gran foul moun te kontinye ap swiv yo, e t ap rele: \x + \xo 21:36 \xo*\xt Luc 23:18\xt*\x*“Touye li!” \p \v 37 Pandan Paul te prèt pou antre nan \x + \xo 21:37 \xo*\xt Trav 21:34\xt*\x*kazèn nan, li te mande kòmandan an: “Èske m kapab di ou yon bagay?” \p E li te reponn: “Ou konn pale Grèk? \v 38 Alò se pa ou menm \x + \xo 21:38 \xo*\xt Trav 5:36\xt*\x*Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?” \p \v 39 Men Paul te di: \x + \xo 21:39 \xo*\xt Trav 9:11\xt*\x*“Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.” \p \v 40 Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang \x + \xo 21:40 \xo*\xt Jn 5:2\xt*\x*Ebre, e te di, \c 22 \p \v 1 \x + \xo 22:1 \xo*\xt Trav 7:2\xt*\x*“Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.” \p \v 2 Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di: \x + \xo 22:2 \xo*\xt Trav 21:40\xt*\x* \v 3 \x + \xo 22:3 \xo*\xt Trav 9:1-22\xt*\x*“Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba \x + \xo 22:3 \xo*\xt Trav 5:34\xt*\x*Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a. \v 4 \x + \xo 22:4 \xo*\xt Trav 8:3\xt*\x*Mwen te pèsekite \x + \xo 22:4 \xo*\xt Trav 9:2\xt*\x*Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon, \v 5 kòm osi \x + \xo 22:5 \xo*\xt Trav 9:1\xt*\x*wo prèt la ak tout \x + \xo 22:5 \xo*\xt Luc 22:66\xt*\x*konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini. \p \v 6 \x + \xo 22:6 \xo*\xt Trav 9:3-8\xt*\x*“Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen. \v 7 Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: \wj ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’ \wj* \p \v 8 “Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?” \p “E Li te di mwen: \wj ‘Mwen se \wj*\x + \xo 22:8 \xo*\xt Trav 26:9\xt*\x*\wj Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’\wj* \p \v 9 “Sila ki te avè m yo \x + \xo 22:9 \xo*\xt Trav 26:13\xt*\x*te wè limyè a, men \x + \xo 22:9 \xo*\xt Trav 9:7\xt*\x*pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an. \p \v 10 “Epi mwen te di: \x + \xo 22:10 \xo*\xt Trav 16:30\xt*\x*“Kisa pou m ta fè, Senyè?” \p “Senyè a te reponn mwen: \wj ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’\wj* \p \v 11 “Men akoz ke m \x + \xo 22:11 \xo*\xt Trav 9:8\xt*\x*pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas. \p \v 12 “Yon sèten \x + \xo 22:12 \xo*\xt Trav 9:10\xt*\x*Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo \v 13 te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: \x + \xo 22:13 \xo*\xt Trav 9:17\xt*\x*‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li. \p \v 14 “Li te di: \x + \xo 22:14 \xo*\xt Trav 3:13\xt*\x*‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou \x + \xo 22:14 \xo*\xt Trav 9:17\xt*\x*wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li. \v 15 Paske ou va \x + \xo 22:15 \xo*\xt Trav 23:11\xt*\x*yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo. \v 16 Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e \x + \xo 22:16 \xo*\xt Trav 2:38\xt*\x*lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li. \p \v 17 “Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te \x + \xo 22:17 \xo*\xt Trav 10:10\xt*\x*tonbe nan yon pwofon somèy. \v 18 Epi mwen te wè Li t ap di mwen: \x + \xo 22:18 \xo*\xt Trav 9:29\xt*\x*\wj ‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’ \wj* \v 19 Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, \x + \xo 22:19 \xo*\xt Trav 8:3\xt*\x*mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo. \v 20 Menm \x + \xo 22:20 \xo*\xt Trav 7:58\xt*\x*lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’ \p \v 21 “Men Li te di mwen: \wj ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen\wj* \x + \xo 22:21 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*\wj kote pèp etranje yo.’\wj*” \p \v 22 Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; \x + \xo 22:22 \xo*\xt Trav 25:24\xt*\x*li pa merite viv!” \p \v 23 Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap \x + \xo 22:23 \xo*\xt Trav 7:58\xt*\x*retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè, \v 24 kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe \x + \xo 22:24 \xo*\xt Trav 22:29\xt*\x*egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa. \p \v 25 Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon \x + \xo 22:25 \xo*\xt Trav 16:37\xt*\x*sitwayen Women ki pa menm kondane?” \p \v 26 Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women. \p \v 27 Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?” \p E li te di: “Wi.” \p \v 28 Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.” \p Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.” \p \v 29 Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi \x + \xo 22:29 \xo*\xt Trav 22:24\xt*\x*kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn. \p \v 30 Men nan pwochen jou a, akoz ke li te \x + \xo 22:30 \xo*\xt Trav 23:28\xt*\x*anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo. \c 23 \p \v 1 Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo \x + \xo 23:1 \xo*\xt Trav 24:16\xt*\x*mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.” \p \v 2 Wo prèt la, Ananias te kòmande sila ki te kanpe akote l yo pou \x + \xo 23:2 \xo*\xt Jn 18:22\xt*\x*frape l sou bouch li. \p \v 3 Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou \x + \xo 23:3 \xo*\xt Lev 19:15\xt*\x*chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?” \p \v 4 Men sila ki te akote yo te di: “Èske se ensilte w ap ensilte wo prèt Bondye a?” \p \v 5 Paul te reponn: “Mwen pa t okouran, frè m yo, ke li te wo prèt la. Paske sa ekri: \x + \xo 23:5 \xo*\xt Egz 22:28\xt*\x*‘Nou pa pou pale mal a yon chèf a pèp nou an’”. \p \v 6 Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou \x + \xo 23:6 \xo*\xt Trav 24:15,21\xt*\x*esperans nan rezirèksyon a mò yo!” \p \v 7 Pandan li te di sa, te vin rive gen yon gran dezakò antre Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi asanble a te divize. \v 8 Paske Sadiseyen yo di ke \x + \xo 23:8 \xo*\xt Mat 22:23\xt*\x*nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout. \p \v 9 Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se\x + \xo 23:9 \xo*\xt Jn 12:29\xt*\x* yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!” \p \v 10 Pandan konfli a t ap devlope, kòmandan an te pè pou yo pa ta chire Paul an mòso. Konsa, li te kòmande sòlda yo pou desann, retire li pami yo ak lafòs, e \x + \xo 23:10 \xo*\xt Trav 21:34\xt*\x*mennen l nan kazèn nan. \p \v 11 Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: \wj “Pran kouraj, paske\wj* \x + \xo 23:11 \xo*\xt Trav 19:21\xt*\x*\wj menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.” \wj* \p \v 12 Lè jounen an te rive \x + \xo 23:12 \xo*\xt Trav 9:23\xt*\x*Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul. \v 13 Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a. \v 14 Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin \x + \xo 23:14 \xo*\xt Trav 23:12,21\xt*\x*mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul. \v 15 Alò, konsa, ou menm avèk \x + \xo 23:15 \xo*\xt Trav 22:30\xt*\x*konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.” \p \v 16 Men fis a sè Paul la te tande afè konplo sila a, e li te vin antre \x + \xo 23:16 \xo*\xt Trav 21:34\xt*\x*kazèn nan pou te enfòme Paul. \p \v 17 Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.” \p \v 18 Alò li te pran li, e te mennen li bay kòmandan an e te di l: “Paul \x + \xo 23:18 \xo*\xt Ef 3:1\xt*\x*prizonye a te rele mwen vè jennonm sila a pou vin kote w akoz li gen yon bagay pou di w.” \p \v 19 Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?” \p \v 20 Li te di: “Jwif yo gen tan fin dakò pou mande ou mennen Paul devan \x + \xo 23:20 \xo*\xt Trav 22:30\xt*\x*konsèy la demen, kòmsi yo t ap pral mande plis enfòmasyon sou li menm. \v 21 Pa kwè yo, paske \x + \xo 23:21 \xo*\xt Trav 23:12,14\xt*\x*plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.” \p \v 22 Kòmandan an te kite jennonm nan ale. Li te di l: “Pa di pèsòn ke ou pale bagay sa yo avè m.” \p \v 23 Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou \x + \xo 23:23 \xo*\xt Trav 8:40\xt*\x*Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.” \v 24 Yo te gen osi pou prepare cheval pou mete Paul, pou fè l rive sof kote \x + \xo 23:24 \xo*\xt Trav 23:26,33\xt*\x*Félix gouvènè a. \v 25 Epi li te ekri yon lèt nan fòm sila a: \p \v 26 Claude Lysias, a \x + \xo 23:26 \xo*\xt Luc 1:3\xt*\x*trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon. \p \v 27 “Lè mesye sa a te arete pa Jwif yo, e te prèt pou l te touye pa yo, mwen \x + \xo 23:27 \xo*\xt Trav 21:32\xt*\x*te vini sou yo avèk sòlda yo pou sekouri l, akoz ke m \x + \xo 23:27 \xo*\xt Trav 22:25-29\xt*\x*te vin konprann ke li te yon sitwayen Women. \v 28 Epi akoz ke mwen te \x + \xo 23:28 \xo*\xt Trav 22:30\xt*\x*vle konprann chaj ke yo te pote kont li an, mwen te fè l rive devan Konsèy pa yo a. \v 29 Konsa, mwen te vin twouve ke li te akize sou kesyon konsènan pwòp lwa pa yo, men pa anba \x + \xo 23:29 \xo*\xt Trav 23:9\xt*\x*okenn akizasyon ki te merite lanmò oubyen prizon. \p \v 30 “Lè m te \x + \xo 23:30 \xo*\xt Trav 23:20\xt*\x*enfòme ke ta gen yon konplo kont li, mwen te voye li kote ou sibitman, e osi te enstwi akizatè li yo pou mennen chaj kont li yo devan ou.” \p \v 31 Konsa, sòlda yo selon lòd pa yo, te pran Paul pou mennen l nan nwit lan devan Antipatris. \v 32 Men nan pwochen jou a yo te \x + \xo 23:32 \xo*\xt Trav 23:23\xt*\x*kite chevalye yo ale avè l, e yo te retounen nan Kazèn nan. \v 33 Lè sa yo te rive Césarée e te livre lèt la bay \x + \xo 23:33 \xo*\xt Trav 23:24,26\xt*\x*Gouvènè a, yo te prezante Paul devan l. \p \v 34 Lè li te fin li l, li te mande nan ki \x + \xo 23:34 \xo*\xt Trav 25:1\xt*\x*pwovens li te sòti, e lè li te vin aprann ke \x + \xo 23:34 \xo*\xt Trav 21:39\xt*\x*se te Cilicie, \v 35 li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre \x + \xo 23:35 \xo*\xt Trav 23:30\xt*\x*akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la. \c 24 \p \v 1 Apre senk jou wo prèt la \x + \xo 24:1 \xo*\xt Trav 23:2\xt*\x*Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a. \v 2 Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a, \v 3 nou rekonèt sa, nan chak aspè, e toupatou \x + \xo 24:3 \xo*\xt Trav 23:26\xt*\x*trè ekselan Félix, avèk tout rekonesans. \v 4 Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf. \p \v 5 “Paske nou twouve nonm sila a yon vrè pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil \x + \xo 24:5 \xo*\xt Trav 15:5\xt*\x*sèkt a Nazareyen yo. \v 6 Li te menm eseye \x + \xo 24:6 \xo*\xt Trav 21:28\xt*\x*souye tanp lan. Epi konsa, nou te arete li. \v 7 Men Lysias, kòmandan an te parèt, epi avèk anpil vyolans, te rache li nan men nou. \p \v 8 “Lè ou egzamine li pou kont ou konsènan tout bagay sila yo, ou kapab verifye bagay sou sila nou akize li yo.” \p \v 9 \x + \xo 24:9 \xo*\xt I Tes 2:16\xt*\x*Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vrè. \p \v 10 Lè \x + \xo 24:10 \xo*\xt Trav 23:24\xt*\x*gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen. \v 11 Akoz ke ou kapab note ke pa plis ke nan \x + \xo 24:11 \xo*\xt Trav 21:18,27\xt*\x*douz jou pase mwen te monte Jérusalem pou m adore. \v 12 \x + \xo 24:12 \xo*\xt Trav 25:8\xt*\x*Ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la li menm, yo pa t janm twouve mwen nan diskisyon avèk okenn moun, ni \x + \xo 24:12 \xo*\xt Trav 24:18\xt*\x*koze okenn boulvèsman. \v 13 \x + \xo 24:13 \xo*\xt Trav 25:7\xt*\x*Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a. \p \v 14 “Men sa mwen admèt a nou, ke selon \x + \xo 24:14 \xo*\xt Trav 9:2\xt*\x*Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vrè ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo. \v 15 Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke \x + \xo 24:15 \xo*\xt Dan 12:12\xt*\x*moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo. \v 16 Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou \x + \xo 24:16 \xo*\xt Trav 23:1\xt*\x*kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm. \p \v 17 “Alò, apre plizyè ane, mwen \x + \xo 24:17 \xo*\xt Trav 11:29\xt*\x*te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann m. \v 18 Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja \x + \xo 24:18 \xo*\xt Trav 21:26\xt*\x*pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie— \v 19 ki ta dwe prezan devan ou pou \x + \xo 24:19 \xo*\xt Trav 23:30\xt*\x*fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen. \v 20 Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan \x + \xo 24:20 \xo*\xt Mat 5:22\xt*\x*konsèy la, \v 21 ot ke sèl pawòl sa a ke m te \x + \xo 24:21 \xo*\xt Trav 23:6\xt*\x*rele lè m te kanpe pami yo a: ‘Pou rezirèksyon a mò yo y ap jije mwen jodi a.’” \p \v 22 Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de \x + \xo 24:22 \xo*\xt Trav 24:14\xt*\x*Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”. \v 23 Answit Li te bay lòd a santenye a pou l \x + \xo 24:23 \xo*\xt Trav 23:35\xt*\x*retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan \x + \xo 24:23 \xo*\xt Trav 23:16\xt*\x*zanmi li yo sèvi li. \p \v 24 Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou \x + \xo 24:24 \xo*\xt Trav 20:21\xt*\x*lafwa nan Jésus Kri a. \v 25 Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak \x + \xo 24:25 \xo*\xt Trav 10:42\xt*\x*jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.” \v 26 Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta \x + \xo 24:26 \xo*\xt Trav 24:17\xt*\x*bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l. \p \v 27 Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone. \c 25 \p \v 1 Konsa, Festus, apre twa jou \x + \xo 25:1 \xo*\xt Trav 23:34\xt*\x*nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem. \p \v 2 Chèf prèt yo ak dirijan a pèp Jwif yo te \x + \xo 25:2 \xo*\xt Trav 24:1\xt*\x*pote chaj kont Paul. Konsa, yo t ap mande yo favè \v 3 ke li ta fè pa yo nan jijman a kont Paul, pou fè l vini Jérusalem. Men yo te gen lentansyon pou touye l nan wout.\x + \xo 25:3 \xo*\xt Trav 9:24\xt*\x* \p \v 4 Answit Festus te reponn ke \x + \xo 25:4 \xo*\xt Trav 24:23\xt*\x*Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè. \v 5 “Konsa”, li te di: “Kite prensipal moun pami nou yo ale avè m, e si gen yon bagay ki mal nan nonm sa a, kite yo pouswiv sa nan lajistis.” \p \v 6 Apre Festus te fin pase plis ke di jou pami yo, li te desann Césarée. Nan pwochen jou a li te pran chèz li \x + \xo 25:6 \xo*\xt Mat 27:19\xt*\x*devan tribinal la, e te kòmande yo fè Paul vini. \p \v 7 Apre Paul te rive, Jwif ki te desann sòti Jérusalem yo te kanpe antoure li. Yo t ap pote anpil chaj byen serye kont li \x + \xo 25:7 \xo*\xt Trav 24:13\xt*\x*ke yo pa t kab pwouve. \p \v 8 Paul te di nan pwòp defans li: \x + \xo 25:8 \xo*\xt Trav 6:13\xt*\x*“Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.” \p \v 9 Men Festus \x + \xo 25:9 \xo*\xt Trav 12:3\xt*\x*ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?” \p \v 10 Men Paul te di: “Mwen kanpe devan \x + \xo 25:10 \xo*\xt Mat 27:19\xt*\x*tribinal César a, kote mwen dwe jije a. Mwen pa fè okenn mal a Jwif yo, jan ou menm osi byen konnen an. \v 11 Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen \x + \xo 25:11 \xo*\xt Trav 25:21,25\xt*\x*fè apèl mwen a César.” \p \v 12 Konsa Apre Festus te fè yon konferans avèk konseye li, li te reponn: “Se a César ke ou fè apèl; se a César ke ou va ale.” \p \v 13 Alò lè kèk jou te pase, Wa Agrippa avèk Bérnéice te rive \x + \xo 25:13 \xo*\xt Trav 8:40\xt*\x*Césarée pou prezante omaj yo a Festus. \v 14 Pandan yo t ap pase anpil jou la, Festus te mete ka a Paul la devan wa a, e t ap di: “Genyen yon sèten nonm ke Félix te \x + \xo 25:14 \xo*\xt Trav 24:27\xt*\x*kite kòm prizonye. \v 15 Epi lè m te Jérusalem, chèf prèt avèk ansyen Jwif yo te \x + \xo 25:15 \xo*\xt Trav 24:1\xt*\x*pote chaj kont li, pou mande yon santans kondanasyon kont li. \p \v 16 “Mwen te \x + \xo 25:16 \xo*\xt Trav 25:4\xt*\x*reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo. \v 17 Donk, apre yo te fin ransanble la a, mwen pa t fè reta, men nan pwochen jou a, te pran chèz mwen sou \x + \xo 25:17 \xo*\xt Mat 27:19\xt*\x*tribinal la, e te kòmande mesye sila a vin devan mwen. \v 18 Lè akizatè yo te kanpe, yo te kòmanse pote chaj krim, men pa tankou mwen ta sipoze a. \v 19 Yo te senpleman gen kèk \x + \xo 25:19 \xo*\xt Trav 18:15\xt*\x*pwen malantandi sou relijyon pa yo, ak sou yon sèten mesye mouri, Jésus, ke Paul te pwoklame toujou vivan. \v 20 \x + \xo 25:20 \xo*\xt Trav 25:9\xt*\x*Kòmsi mwen pa t menm konprann jan pou m ta fè yon ankèt sou bagay sila yo, mwen te mande si li te dakò pou ale Jérusalem pou pase nan jijman sou zafè sila yo. \v 21 Men lè Paul te \x + \xo 25:21 \xo*\xt Trav 25:11\xt*\x*fè apèl pou desizyon Anperè a, mwen te kòmande li kenbe nan gadavi jiskaske m voye li kote César.” \p \v 22 Answit \x + \xo 25:22 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*Agrippa te di a Festus: “Mwen ta renmen osi tande mesye sa mwen menm”. \p Li te reponn: “Demen ou va tande l”. \p \v 23 Konsa, nan pwochen jou a, lè \x + \xo 25:23 \xo*\xt Trav 25:13\xt*\x*Agrippa te parèt ansanm avèk Bérnéice, pami gwo zafè, li te antre nan sal odyans lan, akonpanye ak kòmandan yo ak lòm pi enpòtan nan vil yo, epi sou kòmand Festus, Paul te mennen antre. \p \v 24 Festus te di: “Wa Agrippa, e tout moun ki prezan avèk nou la a, ou wè nonm sila a, sou kilès \x + \xo 25:24 \xo*\xt Trav 25:2,7\xt*\x*tout pèp Jwif la te fè vin kote mwen, ni nan Jérusalem, ni isit la, pou te deklare byen fò ke \x + \xo 25:24 \xo*\xt Trav 22:22\xt*\x*li pa t dwe viv ankò a. \v 25 Men mwen te twouve ke li \x + \xo 25:25 \xo*\xt Trav 23:29\xt*\x*pa t fè okenn bagay ki te merite lanmò; epi akoz ke li menm te \x + \xo 25:25 \xo*\xt Trav 25:11\xt*\x*fè apèl a Anperè a, mwen te deside voye l. \p \v 26 “Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri. \v 27 Paske li sanble dwòl pou mwen voye yon prizonye, epi pou m pa endike osi chaj kont li.” \c 26 \p \v 1 \x + \xo 26:1 \xo*\xt Trav 9:15\xt*\x*Agrippa te di a Paul: “Ou gen dwa pale pou tèt ou.” \p Epi Paul te lonje men li pou te kòmanse fè defans li. \v 2 “Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a; \v 3 Sitou paske ou se yon ekspè nan tout \x + \xo 26:3 \xo*\xt Trav 6:14\xt*\x*koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans. \p \v 4 “Alò konsa, tout Jwif yo konnen \x + \xo 26:4 \xo*\xt Gal 1:13\xt*\x*kalite vi mwen depi nan jenès mwen, ki soti nan kòmansman an ki te pase pami pwòp nasyon mwen, ak nan Jérusalem. \v 5 Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon \x + \xo 26:5 \xo*\xt Trav 23:6\xt*\x*Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an. \p \v 6 “Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la \x + \xo 26:6 \xo*\xt Trav 24:15\xt*\x*pou lespwa \x + \xo 26:6 \xo*\xt Trav 13:32\xt*\x*pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo. \v 7 Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou \x + \xo 26:7 \xo*\xt Trav 24:15\xt*\x*esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo. \v 8 Poukisa pami nou, nou twouve li enkwayab \x + \xo 26:8 \xo*\xt Trav 23:6\xt*\x*ke Bondye kapab leve mò yo? \p \v 9 “Alò \x + \xo 26:9 \xo*\xt Jn 16:2\xt*\x*mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la. \v 10 Epi sa, mwen \x + \xo 26:10 \xo*\xt Trav 8:3\xt*\x*te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo. \v 11 Epi \x + \xo 26:11 \xo*\xt Mat 10:17\xt*\x*pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo. \p \v 12 “Pandan mwen te angaje konsa, mwen te \x + \xo 26:12 \xo*\xt Trav 9:3-8\xt*\x*fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo. \v 13 Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo. \v 14 Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan \x + \xo 26:14 \xo*\xt Trav 21:40\xt*\x*lang Ebre a: \wj ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’ \wj* \p \v 15 “Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’ \p “E Senyè a te di: \wj ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. \wj* \v 16 \wj Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou\wj* \x + \xo 26:16 \xo*\xt Trav 22:14\xt*\x*\wj nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm;\wj* \v 17 \wj k ap delivre ou\wj* \x + \xo 26:17 \xo*\xt I Kwo 16:35\xt*\x*\wj de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo,\wj* \v 18 \wj pou\wj* \x + \xo 26:18 \xo*\xt És 35:5\xt*\x*\wj louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’\wj* \p \v 19 “Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la, \v 20 men mwen te kontinye deklare \x + \xo 26:20 \xo*\xt Trav 9:19\xt*\x*premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan. \p \v 21 “Pou rezon sa a, kèk Jwif te \x + \xo 26:21 \xo*\xt Trav 21:27\xt*\x*sezi mwen nan tanp lan e te eseye mete m a lanmò. \v 22 Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke \x + \xo 26:22 \xo*\xt Trav 10:43\xt*\x*pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo. \v 23 Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz \x + \xo 26:23 \xo*\xt I Kwo 15:20,23\xt*\x*rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.” \p \v 24 Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! \x + \xo 26:24 \xo*\xt Jn 7:15\xt*\x*Gran konesans ou fè ou vin fou.” \p \v 25 Men Paul te reponn li: “Mwen pa pèdi tèt mwen \x + \xo 26:25 \xo*\xt Trav 23:26\xt*\x*trè ekselan Festus, men mwen pale pawòl ak verite byen rezonen. \v 26 Paske Wa a okuran de \x + \xo 26:26 \xo*\xt Trav 26:3\xt*\x*tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen. \v 27 Wa Agrippa, èske ou kwè nan pwofèt yo? Mwen konnen ke ou kwè.” \p \v 28 Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vlè pèswade m pou devni yon \x + \xo 26:28 \xo*\xt Trav 11:26\xt*\x*Kretyen?” \p \v 29 Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou \x + \xo 26:29 \xo*\xt Trav 21:33\xt*\x*chèn sila yo.” \p \v 30 \x + \xo 26:30 \xo*\xt Trav 25:23\xt*\x*Wa a te leve avèk gouvènè a, ak Bérnéice, ak sila ki te chita avèk yo. \v 31 Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: \x + \xo 26:31 \xo*\xt Trav 23:29\xt*\x*“Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.” \p \v 32 Epi Agrippa te di a Festus: “Mesye sa a ta gen dwa \x + \xo 26:32 \xo*\xt Trav 28:18\xt*\x*libere si li pa t fè apèl a César.” \c 27 \p \v 1 Lè yo te deside ke nou ta pran vwal pou \x + \xo 27:1 \xo*\xt Trav 18:2\xt*\x*Italie, yo te pwosede livre Paul avèk kèk lòt prizonye bay yon santenye ki manm nan kowòt Auguste la, ki te nome Julius. \v 2 Nou te anbake nan yon bato Adramityen ki te prèt pou pran vwal pou rejyon akote kot Asie. Nou te monte nan lanmè a, akonpanye pa \x + \xo 27:2 \xo*\xt Trav 19:29\xt*\x*Aristarque, yon Masedonyen ki soti Théssalonique. \p \v 3 Pwochen jou a nou te antre kote Sidon. Julius \x + \xo 27:3 \xo*\xt Trav 27:43\xt*\x*te byen trete Paul e te \x + \xo 27:3 \xo*\xt Trav 24:23\xt*\x*pèmèt li ale bò kote zanmi li yo, kote li te resevwa swen. \p \v 4 Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon \x + \xo 27:4 \xo*\xt Trav 4:36\xt*\x*Chypre akoz van an ki te kontrè. \v 5 Lè nou te fin travèse lanmè a toupre kot \x + \xo 27:5 \xo*\xt Trav 21:39\xt*\x*Cilicie ak Pamphylie, nou te rive nan Myra, nan Lycie. \v 6 La santenye a te twouve yon \x + \xo 27:6 \xo*\xt Trav 28:11\xt*\x*bato Alexandryen ki t ap pran vwal pou Italie, e li te fè nou anbake. \v 7 Nou te navige byen lantman pandan anpil jou, epi avèk difikilte te rive akote Nid, akoz ke van pa t pèmèt nou ale pi lwen. Akoz sa nou te pran vwal anba pwoteksyon \x + \xo 27:7 \xo*\xt Trav 2:11\xt*\x*Crète la, toupre Salmone. \v 8 Konsa, avèk difikilte, nou te \x + \xo 27:8 \xo*\xt Trav 27:13\xt*\x*vwayaje pou rive a yon sèten kote ke yo te rele Beau-Ports, toupre lavil Lasea a. \p \v 9 Lè anpil tan te fin pase, vwayaj la te vin andanje akoz ke tan \x + \xo 27:9 \xo*\xt Lev 16:29-31\xt*\x*Fèt Jèn nan te fin pase, e Paul te kòmanse avèti yo. \v 10 Li te di yo, “Mesye yo, mwen prevwa ke vwayaj la va an verite gen \x + \xo 27:10 \xo*\xt Trav 27:21\xt*\x*donmaj ak gwo pèt, non sèlman pou bagay nou pote ak bato a, men anplis pou lavi nou.” \p \v 11 Men santenye a te plis enfliyanse pa \x + \xo 27:11 \xo*\xt Rev 18:17\xt*\x*pilòt la ak kaptenn bato a, ke pawòl a Paul yo. \v 12 Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan \x + \xo 27:12 \xo*\xt Trav 2:11\xt*\x*Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la. \p \v 13 Lè yon van sid byen modere te vin parèt, avèk kalkil la ke yo vin reyisi plan an, yo leve lank bato a, e yo te kòmanse \x + \xo 27:13 \xo*\xt Trav 27:8\xt*\x*pran vwal pou swiv Crète, toupre kot la. \v 14 Men avan anpil tan, yon van vyolan, ke yo te rele Euraquilon te desann soti atè e te \x + \xo 27:14 \xo*\xt Mc 4:37\xt*\x*vin vole sou yo. \v 15 Konsa, lè bato a te pran nan li, li pa t kab fè fas a van an, e nou te kite l pran nou pou lèse nou pouse pa van an. \p \v 16 Pandan nou t ap kouri anba pwoteksyon a yon ti lil ke yo rele Clauda, nou te prèske pa t kab mete bato a anba kontwòl. \v 17 Lè yo te fin leve l, yo te sèvi ak kab pou ranfòse bato a. Akoz pè ke yo ta \x + \xo 27:17 \xo*\xt Trav 27:26,29\xt*\x*vin echwe nan bafon Syrte la, yo te desann gwo vwal la, epi konsa kite van an pouse yo avanse. \p \v 18 Nan demen, pandan nou t ap jete toupatou avèk vyolans akoz van a, yo te kòmanse \x + \xo 27:18 \xo*\xt Jon 1:5\xt*\x*vide chaj yo pote nan lanmè. \v 19 Nan twazyèm jou a, yo te jete tout aparèy pou manevre bato a nan lanmè avèk pwòp men yo. \v 20 Akoz ni solèy, ni etwal pa t parèt pandan anpil jou, e se pa yon ti kras tanpèt ki t ap atake nou an, depi la, tout espwa pou nou ta sove te disparèt. \p \v 21 Lè yo te fin fè anpil tan san manje, Paul te kanpe nan mitan yo e te di yo: \x + \xo 27:21 \xo*\xt Trav 27:10\xt*\x*“Mesye yo, nou te dwe swiv konsèy mwen an pou nou pa pran lanmè a soti Crète pou envite fè rive donmaj ak pèt sila yo. \v 22 Men koulye a mwen ankouraje nou pou \x + \xo 27:22 \xo*\xt Trav 27:25,36\xt*\x*pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a. \v 23 Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen, e Sila \x + \xo 27:23 \xo*\xt Wo 1:9\xt*\x*ke m sèvi, te kanpe devan mwen. \v 24 Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. \x + \xo 27:24 \xo*\xt Trav 23:11\xt*\x*Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’ \v 25 Akoz sa, mesye yo \x + \xo 27:25 \xo*\xt Trav 27:22,36\xt*\x*pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an. \v 26 Men fòk nou \x + \xo 27:26 \xo*\xt Trav 27:29\xt*\x*echwe sou yon sèten \x + \xo 27:26 \xo*\xt Trav 28:1\xt*\x*lil.” \p \v 27 Men lè katòzyèm nwit lan te vin rive, pandan van a t ap pouse vire nou nan Lanmè Adriatique la, anviwon minwi, yo te kòmanse vin konprann ke yo t ap pwoche vè yon tè. \v 28 Lè Yo te sonde, yo te twouve ke se te a ven bwas pwofondè; epi yon ti kras pi lwen, yo te sonde ankò, e te twouve li a kenz bwas. \v 29 Nan pè pou nou ta \x + \xo 27:29 \xo*\xt Trav 27:17,26\xt*\x*kouri atè yon kote sou wòch, yo voye kat lank pa dèyè bato yo e te espere pou jounen an vin rive. \v 30 Men pandan mesye lanmè yo t ap eseye chape kite bato a, yo te deja lonje desann \x + \xo 27:30 \xo*\xt Trav 27:16\xt*\x*ti kannòt bato a nan lanmè a, sou pretèks ke yo t ap lonje lank pa devan yo, \v 31 Paul te di santenye a ak sòlda yo: “Si moun sa yo pa rete nan bato a, nou menm nou p ap kab sove.” \p \v 32 Alò, sòlda yo te koupe kòd a kannòt bato a, e te kite l tonbe lib. \p \v 33 Jiskaske joune a te prèt pou pwente, Paul t ap ankouraje yo tout pou pran kèk bagay pou manje, e t ap di: “Jodi a fè katòzyèm jou ke nou ap veye san rete, ale san manje, e pa pran anyen. \v 34 Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske \x + \xo 27:34 \xo*\xt Mat 10:30\xt*\x*pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.” \v 35 Lè l fin di sa, li te pran pen e te \x + \xo 27:35 \xo*\xt Mat 14:19\xt*\x*remèsye Bondye nan prezans a tout moun. Li te kase li e te kòmanse manje. \v 36 \x + \xo 27:36 \xo*\xt Trav 27:22,25\xt*\x*Yo tout te ankouraje e yo menm yo tout te pran manje. \v 37 Nou tout nan bato a se te de-san-swasann-sèz \x + \xo 27:37 \xo*\xt Trav 2:41\xt*\x*moun. \v 38 Lè yo te manje kont yo, yo te kòmanse fè bato a pi lejè pa \x + \xo 27:38 \xo*\xt Jon 1:5\xt*\x*voye ble nan lanmè a. \p \v 39 Lè jounen an te vin rive \x + \xo 27:39 \xo*\xt Trav 28:1\xt*\x*yo pa t rekonèt tè a, men yo te wè yon pò avèk yon plaj, e yo te pran kouraj pou dirije bato a vè li si l te posib. \v 40 Konsa, yo te \x + \xo 27:40 \xo*\xt Trav 27:29\xt*\x*jete lank yo, e te kite yo nan lanmè a, pandan nan menm moman an yo t ap lage kòd gouvènay yo, yo te monte vwal devan an pou van an pran l; konsa yo te tire vè plaj la. \v 41 Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an moso akoz gwo vag lanmè a. \p \v 42 Sòlda yo te fè plan pou touye tout prizonye yo, pou okenn nan yo pa ta chape naje nan lanmè a. \p \v 43 Men santenye a \x + \xo 27:43 \xo*\xt Trav 27:3\xt*\x*ki te vle fè Paul rive sof, te anpeche entansyon yo a, e te kòmande ke sila ki te kapab naje, vòltije nan lanmè a avan pou naje rive atè, \v 44 epi rès la ta swiv yo, kèk sou mòso bwa, e lòt yo sou plizyè lòt bagay pou kite bato a. \p Konsa li te rive, ke yo \x + \xo 27:44 \xo*\xt Trav 27:22,31\xt*\x*tout te vin rive sof atè. \c 28 \p \v 1 Lè yo tout te fin rive sof \x + \xo 28:1 \xo*\xt Trav 27:39\xt*\x*nou te vin twouve ke \x + \xo 28:1 \xo*\xt Trav 27:26\xt*\x*lil la te rele Malte. \v 2 \x + \xo 28:2 \xo*\xt Trav 28:4\xt*\x*Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout. \p \v 3 Men lè Paul te ranmase yon pakèt bwa e te mete yo sou dife a, yon vipè te sòti akoz chalè a e te tache nan men l. \p \v 4 Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: \x + \xo 28:4 \xo*\xt Luc 13:2,4\xt*\x*“San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.” \v 5 Konsa, li te souke retire bèt la jete nan dife a, men l pa t gen anyen. \v 6 Men yo t ap atann ke li vin anfle e sibitman tonbe mouri. Men apre yo te tann pandan anpil tan e pa t wè anyen rive li, yo te reflechi yon lòt jan e te \x + \xo 28:6 \xo*\xt Trav 14:11\xt*\x*kòmanse di ke li te yon dye. \p \v 7 Alò, toupre kote sila a, te gen tè ki te pou mesye pi enpòtan nan lil la, ke yo te rele Publius, ki te bannou byenveni. Li te byen emab e li te bay nou lojman pandan twa jou. \p \v 8 Li te vin rive ke papa a Publius te kouche byen malad avèk lafyèv ak dyare. Paul te ale wè li e lè li te fin priye pou li, li te \x + \xo 28:8 \xo*\xt Mat 9:18\xt*\x*poze men l sou li e te geri li. \p \v 9 Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri. \v 10 Anplis, yo te onore nou avèk anpil mak respè, e lè nou t ap pran vwal, yo te founi nou tout sa nou te bezwen. \p \v 11 Nan fen twa mwa yo nou te pran vwal sou yon \x + \xo 28:11 \xo*\xt Trav 27:6\xt*\x*bato Alexandryen ki osi te pase sezon livè a nan lil la. Li te gen Frè Jimo yo kon òneman devan an kòm tèt bato a. \p \v 12 Apre nou te antre o pò nan Syracuse, nou te rete la pandan twa jou. \p \v 13 Soti la, nou te pran vwal pou antoure rive nan Reggio. Yon jou pita, yon van sid te parèt, e nan dezyèm jou a nou te rive Pouzzles. \v 14 La nou te twouve kèk frè ki te envite nou rete avèk yo pandan sèt jou, e konsa nou te rive Rome. \p \v 15 Epi \x + \xo 28:15 \xo*\xt Trav 1:15\xt*\x*frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj. \p \v 16 Lè nou te antre Rome, Paul te \x + \xo 28:16 \xo*\xt Trav 24:23\xt*\x*jwenn pèmisyon pou rete pou kont li, avèk sòlda ki t ap veye l la. \p \v 17 Apre twa jou Paul te rele ansanm moun ki te pi enpòtan pami mesye Jwif yo. Lè yo te vin ansanm, li te kòmanse ap di yo: “Frè yo \x + \xo 28:17 \xo*\xt Trav 25:8\xt*\x*malgre mwen pa t fè anyen kont pèp nou an, oubyen \x + \xo 28:17 \xo*\xt Trav 6:14\xt*\x*koutim zansèt nou yo, konsa, mwen te livre kòm prizonye soti Jérusalem nan men Women yo. \v 18 Epi lè yo menm te egzamine mwen, yo te dakò pou lage m paske yo \x + \xo 28:18 \xo*\xt Trav 23:29\xt*\x*pa t twouve baz pou mete m a lanmò. \v 19 Men lè Jwif yo te vin pa dakò, mwen te oblije fè apèl a César, pa akoz ke m te gen okenn akizasyon kont nasyon mwen an. \v 20 Pou rezon sa a, donk mwen te mande wè nou pou pale avèk nou, paske mwen ap pote chenn sa a pou \x + \xo 28:20 \xo*\xt Trav 24:5\xt*\x*lespwa Israël la.” \p \v 21 Yo te di li: “Nou pa t ni resevwa lèt sòti Judée konsènan ou, ni pa t gen okenn nan \x + \xo 28:21 \xo*\xt Trav 3:17\xt*\x*frè yo ki te vin isit la pou rapòte oswa pale anyen mal de ou menm. \v 22 Men nou dezire tande de ou menm sa ke ou panse. Paske konsènan \x + \xo 28:22 \xo*\xt Trav 24:14\xt*\x*sèkt sa a, se byen koni pami nou menm ke yo pale kont li toupatou.” \p \v 23 Lè yo te fikse yon jou pou Paul, yo te vini kote lojman li an an gran nonb. Li t ap eksplike yo nan \x + \xo 28:23 \xo*\xt Trav 1:3\xt*\x*temwayaj klè e konplè de wayòm Bondye a ak nan eseye fè yo kwè konsènan Jésus, soti nan Lalwa Moïse la ak nan pwofèt yo depi granmmaten jis rive nan aswè. \v 24 \x + \xo 28:24 \xo*\xt Trav 14:14\xt*\x*Kèk te vin kwè akoz bagay ki te pale yo, men lòt yo te refize kwè. \v 25 Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo, \v 26 Lè l te di: \q1 \x + \xo 28:26 \xo*\xt És 6:9\xt*\x*‘Ale nan pèp sa epi di: \q1 “Nou va toujou tande, \q1 men nou p ap konprann. \q1 Nou va toujou gade, \q1 men nou p ap wè anyen. \q1 \v 27 Paske kè a moun sa yo vin di. \q1 Zòrèy pa yo, yo manke tande. \q1 E yo fèmen zye yo; \q1 otreman pou yo ta wè avèk zye yo, \q1 tande avèk zòrèy yo, \q1 konprann avèk kè yo, \q1 e retounen, pou Mwen ta geri yo.’ \p \v 28 “Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke \x + \xo 28:28 \xo*\xt Sòm 98:3\xt*\x*delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.” \v 29 Lè li te fin pale pawòl sa yo, Jwif yo te pati, e yo t ap diskite pami yo menm. \p \v 30 Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo. \v 31 Li t ap \x + \xo 28:31 \xo*\xt Mat 4:23\xt*\x*preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.