\id 2TH \ide UTF-8 \h II Tesalonisyen Yo \toc1 II TESALONISYEN YO \toc2 II Tesalonisyen Yo \toc3 II Tes \mt1 II TESALONISYEN YO \c 1 \p \v 1 Paul, Silvain ak Timothée, a \x + \xo 1:1 \xo*\xt Trav 17:1\xt*\x*legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: \v 2 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Wo 1:7\xt*\x*Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri. \p \v 3 Nou ta dwe toujou \x + \xo 1:3 \xo*\xt Wo 1:8\xt*\x*bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e \x + \xo 1:3 \xo*\xt I Tes 3:12\xt*\x*lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. \v 4 Konsa, nou menm, nou \x + \xo 1:4 \xo*\xt II Kor 7:4\xt*\x*pale avèk fyète de nou pami \x + \xo 1:4 \xo*\xt I Tes 2:14\xt*\x*legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. \v 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou \x + \xo 1:5 \xo*\xt Luc 20:35\xt*\x*ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a. \p \v 6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, \v 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo \x + \xo 1:7 \xo*\xt Luc 17:30\xt*\x*lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. \v 8 Konsa L a bay chatiman a sila \x + \xo 1:8 \xo*\xt Gal 4:8\xt*\x*ki pa konnen Bondye yo, e a sila \x + \xo 1:8 \xo*\xt Wo 2:8\xt*\x*ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a. \p \v 9 Sila yo va peye pinisyon \x + \xo 1:9 \xo*\xt Fil 3:19\xt*\x*destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. \v 10 Lè Li vini pou L kapab \x + \xo 1:10 \xo*\xt És 49:3\xt*\x*glorifye nan sen Li yo nan \x + \xo 1:10 \xo*\xt És 2:1\xt*\x*jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou a. \p \v 11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou \x + \xo 1:11 \xo*\xt I Wa 22:22\xt*\x*Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, \v 12 pou \x + \xo 1:12 \xo*\xt És 24:15\xt*\x*non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri. \c 2 \p \v 1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan \x + \xo 2:1 \xo*\xt I Tes 2:19\xt*\x*vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak \x + \xo 2:1 \xo*\xt Mc 13:27\xt*\x*reyinyon nou ansanm avèk Li a, \v 2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon \x + \xo 2:2 \xo*\xt I Jn 4:1\xt*\x*lespri, ni yon \x + \xo 2:2 \xo*\xt II Tes 2:15\xt*\x*mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja. \p \v 3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e \x + \xo 2:3 \xo*\xt Dan 7:25\xt*\x*nonm peche a, fis a \x + \xo 2:3 \xo*\xt Jn 17:12\xt*\x*pèdisyon an, ta vin parèt. \v 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e \x + \xo 2:4 \xo*\xt És 14:14\xt*\x*prezante tèt li kòm Bondye. \p \v 5 Èske nou pa sonje \x + \xo 2:5 \xo*\xt I Tes 3:4\xt*\x*lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo? \p \v 6 Konsa, nou konnen \x + \xo 2:6 \xo*\xt II Tim 2:7\xt*\x*kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. \v 7 Paske \x + \xo 2:7 \xo*\xt Rev 17:5,7\xt*\x*mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la. \p \v 8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye \x + \xo 2:8 \xo*\xt És 7:4\xt*\x*avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. \v 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, \x + \xo 2:9 \xo*\xt Mat 24:24\xt*\x*sign, ak fo mirak, \v 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou \x + \xo 2:10 \xo*\xt I Kor 1:18\xt*\x*sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou \x + \xo 2:10 \xo*\xt II Tes 2:12,13\xt*\x*a verite a, jis pou yo ta kapab sove. \p \v 11 Pou rezon sa a, \x + \xo 2:11 \xo*\xt I Wa 22:22\xt*\x*Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, \v 12 pou yo tout kapab jije ki \x + \xo 2:12 \xo*\xt Wo 2:8\xt*\x*pa t kwè nan verite a, men ki te \x + \xo 2:12 \xo*\xt Wo 1:32\xt*\x*pran plezi nan mechanste. \p \v 13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz \x + \xo 2:13 \xo*\xt Ef 1:4\xt*\x*Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon \x + \xo 2:13 \xo*\xt I Tes 4:7\xt*\x*pa Lespri a ak lafwa nan verite a. \v 14 Se te pou sa Li te \x + \xo 2:14 \xo*\xt I Tes 2:12\xt*\x*rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri. \p \v 15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e \x + \xo 2:15 \xo*\xt I Kor 11:2\xt*\x*kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an. \p \v 16 \x + \xo 2:16 \xo*\xt I Tes 3:11\xt*\x*Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la \v 17 \x + \xo 2:17 \xo*\xt I Tes 3:2\xt*\x*rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl. \c 3 \p \v 1 Finalman, frè m yo \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Tes 5:25\xt*\x*priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an, \v 2 epi pou nou kapab \x + \xo 3:2 \xo*\xt Wo 15:31\xt*\x*delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa. \p \v 3 Men \x + \xo 3:3 \xo*\xt I Kor 1:9\xt*\x*Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. \v 4 Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou \x + \xo 3:4 \xo*\xt I Tes 4:10\xt*\x*ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. \v 5 Ke Senyè a \x + \xo 3:5 \xo*\xt I Tes 3:11\xt*\x*dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la. \p \v 6 Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou \x + \xo 3:6 \xo*\xt Wo 16:17\xt*\x*rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo. \p \v 7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe \x + \xo 3:7 \xo*\xt I Tes 1:6\xt*\x*swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. \v 8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk \x + \xo 3:8 \xo*\xt I Tes 2:9\xt*\x*travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. \v 9 Se pa paske nou pa gen \x + \xo 3:9 \xo*\xt I Kor 9:4-18\xt*\x*dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an. \p \v 10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: \x + \xo 3:10 \xo*\xt I Tes 4:11\xt*\x*si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. \v 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap \x + \xo 3:11 \xo*\xt I Tes 5:13\xt*\x*aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. \v 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo \x + \xo 3:12 \xo*\xt I Tes 4:11\xt*\x*travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo. \v 13 Men pou nou, frè m yo \x + \xo 3:13 \xo*\xt Gal 6:9\xt*\x*pa fatige nan fè sa ki bon. \p \v 14 Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e \x + \xo 3:14 \xo*\xt II Tes 3:6\xt*\x*pa asosye nou avè l pou \x + \xo 3:14 \xo*\xt Tit 2:8\xt*\x*li kab vin wont. \v 15 Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men \x + \xo 3:15 \xo*\xt I Tes 5:14\xt*\x*egzòte li kòm yon frè. \p \v 16 Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. \x + \xo 3:16 \xo*\xt Rt 2:4\xt*\x*Ke Senyè a avèk nou tout! \p \v 17 Mwen, Paul ekri salitasyon sa a \x + \xo 3:17 \xo*\xt I Kor 16:21\xt*\x*avèk pwòp men m, e sa se mak ki idantifye m nan chak lèt; se konsa ke m ekri. \p \v 18 \x + \xo 3:18 \xo*\xt Wo 16:20\xt*\x*Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.