\id 2SA 2SA \ide UTF-8 \h II Samuel \toc1 II SAMUEL \toc2 II Samuel \toc3 II Sam \mt1 II SAMUEL \c 1 \p \v 1 Alò, li te vin rive ke lè Saül te fin mouri, e David te retounen soti nan \x + \xo 1:1 \xo*\xt I Sam 30:1-26\xt*\x*masak a Amalekit yo, ke David te rete pandan de jou nan Tsiklag. \v 2 Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. \x + \xo 1:2 \xo*\xt I Sam 4:12\xt*\x*Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, \x + \xo 1:2 \xo*\xt I Sam 25:23\xt*\x*li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè. \p \v 3 Alò, David te di li: “Depi ki kote ou sòti?” \p Li te reponn: “Mwen te chape soti nan kan Israël la.” \p \v 4 David te di li: \x + \xo 1:4 \xo*\xt I Sam 4:16\xt*\x*“Se kijan bagay yo te sòti? Souple, fè m konnen.” \p Konsa, li te di: “Moun yo gen tan sove ale kite batay la, e anplis, anpil nan moun yo tonbe mouri. Epi Saül avèk Jonathan, fis li a te mouri tou.” \p \v 5 Konsa, David te di a jennonm nan ki te pale li a: “Kijan ou fè konnen ke Saül avèk fis li, Jonathan mouri?” \p \v 6 Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li. \v 7 Lè l te gade dèyè li, li te wè m e te rele mwen. Epi mwen te di: ‘Men mwen’. \v 8 Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: \x + \xo 1:8 \xo*\xt I Sam 15:3\xt*\x* ‘Mwen se yon Amalekit’. \v 9 Alò li te di mwen: ‘Souple, kanpe akote mwen pou touye mwen; paske gwo doulè gen tan sezi mwen akoz lavi m toujou rete nan mwen.’ \v 10 Konsa, mwen te kanpe akote li \x + \xo 1:10 \xo*\xt Jij 9:54\xt*\x*pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.” \p \v 11 Alò, \x + \xo 1:11 \xo*\xt II Kwo 34:27\xt*\x*David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè. \v 12 Yo te fè dèy e te kriye \x + \xo 1:12 \xo*\xt II Sam 3:35\xt*\x*fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe. \p \v 13 David te di a jennonm ki te pale li a: “Se kibò ou sòti?” \p Epi li te reponn: \x + \xo 1:13 \xo*\xt II Sam 1:8\xt*\x*“Mwen se fis a yon etranje, yon Amalekit.” \p \v 14 Alò, David te di li: “Kijan sa ye ke ou pa t pè lonje men ou pou detwi onksyone a SENYÈ a?” \v 15 Epi David te rele youn nan jennonm yo e te di: “Ale, koupe l fè l desann.” \x + \xo 1:15 \xo*\xt II Sam 4:10-12\xt*\x*Konsa, li te frape li e li te mouri. \v 16 David te di li: “San ou sou pwòp tèt pa w; paske \x + \xo 1:16 \xo*\xt II Sam 1:10\xt*\x*bouch ou te fè temwayaj kont ou menm e te di: ‘Mwen te touye onksyone a SENYÈ a.’” \p \v 17 Alò, David te \x + \xo 1:17 \xo*\xt II Kwo 35:25\xt*\x*chante lamantasyon sila sou Saül avèk fis li a, Jonathan. \v 18 Epi li te di yo pou montre fis a Juda yo chan ki rele Banza a. Gade byen, li ekri nan \x + \xo 1:18 \xo*\xt Jos 10:13\xt*\x*liv a Jaschar a. \q1 \v 19 \x + \xo 1:19 \xo*\xt II Sam 1:25-27\xt*\x*“Bèlte ou, O Israël, detwi sou wo plas ou yo! \q1 O kijan glwa ou yo te tonbe sou wo plas yo! \q1 \v 20 \x + \xo 1:20 \xo*\xt I Sam 31:8-13 \xt*\x*Pa pale sa nan Gath, \q1 ni pwoklame sa nan lari Askalon yo, \q1 sof fi Filisten yo ta rejwi; \q1 fi a ensikonsi yo ta egzalte, \q1 \v 21 \x + \xo 1:21 \xo*\xt I Sam 31:1 \xt*\x*O mòn a Guilboa yo, \q1 pa kite lawouze ni lapli vin tonbe sou nou, \q1 ni sou chanm ofrann yo; \q1 paske pwisan yo te tonbe, \q1 paske la, boukliye pwisan an te vin sal. \q1 Boukliye Saül te pedi lwil onksyon an. \q1 \v 22 Soti nan san a sila ki te mouri yo, \q1 soti nan grès a pwisan yo, \q1 \x + \xo 1:22 \xo*\xt I Sam 18:4\xt*\x*banza a Jonathan an pa t fè bak, \q1 ni nepe a Saül la pa t retounen vid. \q1 \v 23 Saül avèk Jonathan, \q1 byen emab e byeneme pandan vi pa yo, \q1 epi nan mò yo, yo pa t vin separe. \q1 Yo te pi rapid ke èg yo. \q1 Yo te pi pwisan pase lyon yo. \q1 \v 24 O fi Israël yo, kriye pou Saül, \q1 ki te fè nou abiye byen bèl ak twal wouj, \q1 ki te mete òneman an lò sou vètman nou. \q1 \v 25 Kijan pwisan yo vin tonbe nan mitan batay la! \q1 Jonathan vin touye sou wo plas nou yo. \q1 \v 26 Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan. \q1 Ou te konn fè m byen kontan. \q1 \x + \xo 1:26 \xo*\xt I Sam 18:1-4 \xt*\x*Lanmou ou te yon bèl bagay. \q1 Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm. \q1 \v 27 Kijan pwisan yo te tonbe \q1 e \x + \xo 1:27 \xo*\xt És 13:5\xt*\x*zam lagè yo te vin peri!” \c 2 \p \v 1 Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” \p Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” \p Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” \p Epi Li te di: \x + \xo 2:1 \xo*\xt Jos 14:13\xt*\x*“Nan Hébron.” \p \v 2 Pou sa, David te monte la ansanm ak\x + \xo 2:2 \xo*\xt I Sam 25:42-43\xt*\x*de madanm li yo tou, Achinoam, Jizreyelit la, avèk Abigaïl, Kamelit la, fanm a Nabal la. \v 3 Epi \x + \xo 2:3 \xo*\xt I Sam 30:9\xt*\x*David te fè monte mesye ki te avèk li yo, yo chak avèk pwòp lakay pa yo, e yo te rete nan vil Hébron yo. \v 4 Alò, mesye Juda yo te parèt e se la, yo te \x + \xo 2:4 \xo*\xt I Sam 16:13\xt*\x*onksyone David wa sou kay Juda a. Epi yo te pale David, e te di: “Se te mesye a Jabés Galaad ki te antere Saül yo.” \v 5 David te voye mesaje yo bò kote mesye Jabés Galaad yo. Li te di yo: \x + \xo 2:5 \xo*\xt I Sam 23:21\xt*\x*“Ke nou beni pa SENYÈ a akoz nou te montre bonte nou anvè Saül, mèt nou an, e nou te antere li. \v 6 Alò, \x + \xo 2:6 \xo*\xt Egz 34:6\xt*\x*ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a. \v 7 Pou sa, kite men nou rete fò e plen kouraj. Paske mèt nou an, Saül mouri e anplis, kay Juda a te onksyone mwen kòm wa sou yo menm”. \p \v 8 Men \x + \xo 2:8 \xo*\xt I Sam 14:50\xt*\x*Abner, fis a Ner a, te pran Isch-Boscheth, fis a Saül la e te mennen li antre Mahanaïm. \v 9 Li te fè li wa sou \x + \xo 2:9 \xo*\xt Jos 22:9\xt*\x*Galaad, sou Gechouryen yo, sou Jizreel, sou Ephraïm ak sou Benjamin, menm sou tout Israël la. \v 10 Isch-Boscheth, fis a Saül la te gen karant ane lè l te devni wa sou Israël, e li te wa pandan dezan. Men, lakay Juda te swiv David. \v 11 \x + \xo 2:11 \xo*\xt II Sam 5:5\xt*\x*Fòs tan ke David te wa nan Hébron sou Juda a se te sèt ane avèk si mwa. \p \v 12 Alò, Abner, fis a Ner a te sòti Mahanaïm kote \x + \xo 2:12 \xo*\xt Jos 10:12\xt*\x*Gabaon avèk sèvitè a Isch-Boscheth yo, fis a Saül la. \v 13 Konsa, \x + \xo 2:13 \xo*\xt II Sam 8:16\xt*\x*Joab, fis a Tseruja a avèk sèvitè a David yo te sòti pou rankontre yo akote sous Gabaon an. Yo te chita konsa, youn nan yon bò sous la e lòt la nan lòtbò sous la. \v 14 Abner te di a Joab: “Alò, kite jennonm yo leve \x + \xo 2:14 \xo*\xt II Sam 2:16-17\xt*\x*fè yon kou batay devan nou la a.” \p Joab te reponn: “Kite yo leve.” \v 15 Konsa, yo te leve travèse ak kontwòl, douz pou Benjamin avèk Isch-Boscheth, fis a Saül yo e douz pou sèvitè a David yo. \v 16 Chak te sezi advèsè li nan tèt e te fonse nepe li nan akote advèsè li a; konsa, yo te tonbe atè ansanm. Pou sa, yo te rele plas sa a Helkath-Hatsurim chanm a lam nepe yo ki nan Gabaon. \v 17 Nan jou sa a, batay la te trè sevè e \x + \xo 2:17 \xo*\xt II Sam 3:1\xt*\x*Abner avèk mesye Israël yo te kale devan sèvitè David yo. \v 18 Alò, \x + \xo 2:18 \xo*\xt I Kwo 2:16\xt*\x*twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan. \v 19 Asaël te kouri dèyè Abner e pa t vire ni adwat ni agoch nan kouri dèyè Abner. \p \v 20 Alò, Abner te gade dèyè li, e te di: “Èske se ou, Asaël?” \p Epi li te reponn: “Se mwen.” \p \v 21 Konsa, Abner te di li: “Vire vè adwat oswa agoch, pran youn nan jennonm yo pou kont ou e pran pou ou menm nan piyaj la.” Men Asaël pa t dakò pou vire pa swiv li. \v 22 Abner te repete ankò a Asaël: “Vire pa swiv mwen Poukisa mwen ta frape ou pou jiskaske ou rive atè? \x + \xo 2:22 \xo*\xt II Sam 3:27\xt*\x*Konsa, kijan mwen ta kapab leve figi mwen a frè ou a, Joab?” \v 23 Sepandan, li te refize vire akote; pou sa, Abner te frape li nan vant avèk frenn li jiskaske li te parèt nan do li Epi li te tonbe la menm e te mouri sou lye a. Epi li te vin rive ke tout moun ki te vini kote \x + \xo 2:23 \xo*\xt II Sam 20:12\xt*\x*Asaël te mouri an, te kanpe an plas. \p \v 24 Men Joab avèk Abischaï te kouri dèyè Abner e pandan solèy la t ap bese, yo te rive nan ti mòn a Amma a, ki devan Guiach pa chemen dezè a Gabaon an. \v 25 Fis Benjamin yo te rasanble ansanm dèyè Abner e te devni yon sèl ekip; epi yo te kanpe sou tèt a yon sèten ti mòn. \v 26 Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?” \p \v 27 Joab te di: “Jan Bondye viv la, si ou pa t pale; byensi, pèp la t ap kite sa maten an e chak moun t ap sispann swiv frè yo.” \v 28 Epi Joab te soufle twonpèt la. Konsa, tout pèp la te sispann e yo pa t kouri dèyè Israël ankò, \x + \xo 2:28 \xo*\xt II Sam 3:1\xt*\x*ni yo pa t kontinye goumen ankò. \v 29 Alò, Abner avèk mesye pa li yo te mache nan dezè Araba a tout nwit lan. Yo te travèse Jourdain an, yo te mache tout maten an pou te vini \x + \xo 2:29 \xo*\xt II Sam 2:8\xt*\x*Mahanaïm. \p \v 30 Alò, Joab te retounen soti swiv Abner. Lè li te fin rasanble tout pèp la ansanm, diz-nèf nan sèvitè David yo anplis ke Asaël te manke. \v 31 Men sèvitè David yo te touye anpil nan mesye Benjamin yo avèk Abner yo, jiskaske te rive twa-san-swasant moun te mouri. \v 32 Yo te pran Asaël e te antere li \x + \xo 2:32 \xo*\xt Jen 47:29-30\xt*\x*nan tonm papa li ki te Bethléhem. Epi Joab avèk mesye pa l yo te ale tout nwit lan jiskaske li te vin fè jou kote Hébron. \c 3 \p \v 1 Alò, \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Wa 14:30\xt*\x*te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb. \v 2 \x + \xo 3:2 \xo*\xt I Kwo 3:1-3\xt*\x*Fis te ne a David an Hébron: premye ne li a se te Amnon, pa Achinoam, Jizreyelit la; \v 3 epi dezyèm li a, Kileab, pa Abigaïl la, vèv a Nabal la, Kamalit la; epi twazyèm nan, Absalom, fis \x + \xo 3:3 \xo*\xt I Sam 27:8\xt*\x*Maaca a, fi a Talmaï a, wa a Gueschur; \v 4 epi katriyèm nan, \x + \xo 3:4 \xo*\xt I Wa 1:5\xt*\x*Adonija, fis a Haggith la e senkyèm nan, Schephathia, fis a Abithal la; \v 5 epi sizyèm nan, Jithream, pa Égla a, madanm a David. \p \v 6 Li te vin rive ke pandan te gen lagè antre lakay Saül ak lakay David, ke \x + \xo 3:6 \xo*\xt II Sam 2:8-9\xt*\x*Abner t ap ranfòse pozisyon li lakay Saül. \v 7 Alò, Saül te gen yon ti mennaj ki te rele \x + \xo 3:7 \xo*\xt II Sam 21:8-11\xt*\x*Ritspa, fi a Ajja a. Konsa, Isch-Boscheth te di a Abner: “Poukisa ou te antre nan ti mennaj papa m nan?” \p \v 8 Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: \x + \xo 3:8 \xo*\xt I Sam 24:14\xt*\x*“Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan. \v 9 \x + \xo 3:9 \xo*\xt I Wa 19:2\xt*\x*Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li, \v 10 \x + \xo 3:10 \xo*\xt I Sam 15:28 \xt*\x*pou fè wayòm nan kite lakay Saül pou vin etabli sou twòn David sou Israël ak sou Juda, soti nan Dan, jis rive Beer-Schéba.” \p \v 11 Epi li pa t kab reponn Abner ankò, akoz li te pè li. \p \v 12 Alò Abner te voye mesaje yo kote David nan plas li, e te di: “Pou kilès peyi a ye? Fè akò ou avèk mwen; epi pou sa, men m va avèk ou pou mennen tout Israël bò kote ou.” \p \v 13 Li te di: “Sa bon! Mwen va fè yon akò avèk ou, men mwen ap fè yon sèten demann a ou menm. Konsa, ou p ap menm wè figi m sof ke ou mennen \x + \xo 3:13 \xo*\xt I Sam 18:20\xt*\x*premyèman Mical, fi a Saül la, lè ou vin wè mwen.” \v 14 Konsa, David te voye mesaje yo kote Isch-Boscheth, fis a Saül la, e te di: “Ban mwen madanm mwen Mical, avèk sila mwen te fiyanse \x + \xo 3:14 \xo*\xt I Sam 18:25-27\xt*\x*pou yon santèn prepuce moun ki sòti nan Filisten yo.” \p \v 15 Isch-Boscheth te voye retire li de mari li, Paithiel, fis a Laïsch la. \v 16 Men mari li te ale avèk li. Li t ap kriye pandan li t ap prale e te swiv li jis rive \x + \xo 3:16 \xo*\xt II Sam 16:5\xt*\x*Bachurim. Epi Abner te di li: “Ale, retounen!” Konsa, li te retounen. \p \v 17 Alò, Abner te fè konsiltasyon avèk \x + \xo 3:17 \xo*\xt I Sam 8:4\xt*\x*ansyen Israël yo e te di: “Nan tan pase yo, nou te chache fè David vin wa sou nou. \v 18 Alò konsa, annou fè l. Paske SENYÈ a te pale a David e te di: ‘Pa men a sèvitè Mwen an, David, Mwen va sove pèp Mwen an, Israël soti nan men a Filisten yo ak nan men a tout lènmi pa yo.’” \p \v 19 Abner osi te pale nan zòrèy a moun Benjamin yo. Anplis, Abner te ale fè rapò a David nan Hébron ke tout sa te parèt bon pou Israël, tout lakay Israël la ak a \x + \xo 3:19 \xo*\xt I Sam 10:20-21\xt*\x*tout lakay Benjamin an. \v 20 Alò, Abner avèk ven mesye avèk li te vin kote David nan Hébron. David te fè yon gwo fèt pou Abner avèk mesye ki te avèk li yo. \v 21 Abner te di a David: “Kite mwen leve pou m ale \x + \xo 3:21 \xo*\xt I Sam 3:10-12\xt*\x*rasanble tout Israël la kote mèt mwen an, wa a, pou yo kapab fè yon akò avèk ou e pou ou kapab devni wa sou tout sa ke nanm ou dezire yo.” Konsa, David te voye Abner ale e li te ale anpè. \p \v 22 Epi vwala, \x + \xo 3:22 \xo*\xt I Sam 27:8\xt*\x*sèvitè a David yo avèk Joab te antre sòti nan yon atak piyaj e yo te pote anpil piyaj avèk yo. Men Abner pa t avèk David nan Hébron; paske li te voye li ale e li te sòti anpè. \v 23 Lè Joab avèk tout lame ki te avèk li a te rive, yo te pale Joab e te di: “Abner, fis a Ner a te rive vè wa a, li te voye li ale e li te sòti anpè.” \p \v 24 Alò, Joab te vini vè wa a e te di: “Se kisa ou te fè la a? Gade, Abner te vin kote ou. Alò, poukisa ou te voye li ale sòti deja? \v 25 Ou konnen Abner, fis a Ner a, ke li te antre pou twonpe ou, pou aprann jan ou sòti ak jan ou antre, pou dekouvri tout sa w ap fè.” \p \v 26 Lè Joab te sòti kote David, li te voye mesaje yo dèyè Abner. Yo te mennen li retounen soti nan pwi Sira a; men David pa t konnen. \v 27 Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, \x + \xo 3:27 \xo*\xt II Sam 2:23\xt*\x*li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a. \v 28 Apre, lè David te tande sa, li te di: “Mwen avèk wayòm mwen an inosan devan SENYÈ a jis pou tout tan sou afè san Abner a, fis a Ner a. \v 29 \x + \xo 3:29 \xo*\xt Det 21:6-9\xt*\x*Konsa, san sa a vin tonbe sou tèt Joab avèk tout lakay papa li. Epi pou ta genyen toujou lakay li yon moun ki gen ekoulman, oswa lalèp, oswa ki oblije mache ak baton, oswa ki tonbe pa nepe, oswa ki manke pen.” \v 30 Konsa, Joab avèk Abischaï te touye Abner \x + \xo 3:30 \xo*\xt II Sam 2:23\xt*\x*akoz li te mete frè yo a lanmò nan batay Gabaon an. \p \v 31 Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: \x + \xo 3:31 \xo*\xt Jen 37:34\xt*\x*“Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la. \v 32 Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote \x + \xo 3:32 \xo*\xt Job 31:28-29\xt*\x*tonm Abner a, e tout moun te kriye. \v 33 \x + \xo 3:33 \xo*\xt II Sam 1:17\xt*\x* Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri? \v 34 Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.” \p Epi tout moun te kriye ankò sou li. \v 35 Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay \x + \xo 3:35 \xo*\xt II Sam 1:12\xt*\x*avan solèy la vin kouche.” \p \v 36 Alò, tout pèp la te remake afè sa a, e li te fè yo plezi, jis jan ke tout sa ke wa a te fè te fè tout pèp la plezi. \v 37 Konsa, tout pèp la ak tout Israël te konprann nan jou sa a ke li pa t volonte a wa a pou mete Abner, fis a Ner a lanmò. \v 38 Epi wa a te pale ak sèvitè li yo: “Èske nou pa konnen ke yon prens, yon gran òm vin tonbe nan jou sa a an Israël? \v 39 Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, \x + \xo 3:39 \xo*\xt II Sam 19:5-7\xt*\x*fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! \x + \xo 3:39 \xo*\xt I Wa 2:32-34\xt*\x*Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.” \c 4 \p \v 1 Alò, lè Isch-Boscheth, fis a Saül la, te tande ke \x + \xo 4:1 \xo*\xt II Sam 3:27\xt*\x*Abner te mouri Hébron, \x + \xo 4:1 \xo*\xt Esd 4:4\xt*\x*li te pèdi kouraj e tout Israël te twouble. \v 2 Fis a Saül la te gen de mesye ki te kòmandan a bann sòlda yo. Non a youn se te Baana e lòt la te Récab, fis a Rimmon Beéroth yo, ki apatyen a fis Benjamin yo (paske Beéroth te konsidere kòm yon pati nan Benjamin. \x + \xo 4:2 \xo*\xt Jos 9:17; Jos 18:25\xt*\x* \v 3 Tout Beyewotyen yo te sove ale pou rive \x + \xo 4:3 \xo*\xt Né 11:33\xt*\x*Guitthaïm e te rete la kòm etranje jis rive jodi a). \p \v 4 Alò, \x + \xo 4:4 \xo*\xt II Sam 9:3-6\xt*\x*Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth. \p \v 5 Konsa fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, Récab, avèk Banna te pati pou te rive lakay \x + \xo 4:5 \xo*\xt II Sam 2:8\xt*\x*Isch-Boscheth nan chalè lajounen an pandan li t ap pran repo midi a. \v 6 Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e \x + \xo 4:6 \xo*\xt II Sam 2:23\xt*\x*yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale. \v 7 Alò, lè yo te vin rive anndan kay la, pandan li te kouche sou kabann li nan chanm a dòmi li an, yo te frape li e te touye li. Yo te koupe tèt li e yo te \x + \xo 4:7 \xo*\xt II Sam 2:29\xt*\x*vwayaje ak li nan chemen Araba a tout nwit lan. \v 8 Konsa, yo te mennen tèt a Isch-Boscheth kote David nan Hébron e yo te di a wa a: “Men gade, tèt a Isch-Boscheth, \x + \xo 4:8 \xo*\xt I Sam 24:4\xt*\x*fis a Saül la, lènmi pa w la, ki te chache lavi ou a. Konsa, nan jou sa a, SENYÈ a te bay mèt mwen an, wa a, vanjans sou Saül avèk desandan li yo.” \p \v 9 David te reponn Récab avèk Banna, frè li, fis a Rimmon yo, Beyewotyen an, e te di yo: “Jan SENYÈ a viv la, \x + \xo 4:9 \xo*\xt I Wa 1:29\xt*\x*ki te peye racha lavi m soti nan tout twoub yo, \v 10 \x + \xo 4:10 \xo*\xt II Sam 1:2-15\xt*\x*lè yon moun te pale m e te di: ‘Gade, Saül mouri’ e te panse ke se bòn nouvèl ke li te pote, mwen te sezi li e te touye li Tsiklag, kòm rekonpans pou nouvèl la. \v 11 Alò, konbyen anplis, lè moun mechan yo vin touye yon nonm ladwati nan pwòp kay li sou kabann li! Èske se pa ke m ta oblije mande san li nan men nou e rache nou sou fas tè a?” \v 12 Alò, \x + \xo 4:12 \xo*\xt II Sam 1:15\xt*\x*David te pase lòd sou jennonm yo. Yo te touye yo, yo te koupe men yo avèk pye yo, e te pann yo akote sous Hébron an. Men yo te pran tèt a Isch Boscheth \x + \xo 4:12 \xo*\xt II Sam 3:32\xt*\x* e yo te antere li nan tonm Abner a nan Hébron. \c 5 \p \v 1 \x + \xo 5:1 \xo*\xt II Sam 1:2-15\xt*\x*Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp \x + \xo 5:1 \xo*\xt II Sam 19:13\xt*\x*zo ou ak chè ou. \v 2 Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon \x + \xo 5:2 \xo*\xt I Sam 25:30\xt*\x*chèf sou Israël.’” \v 3 Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David \x + \xo 5:3 \xo*\xt II Sam 3:21\xt*\x*te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi \x + \xo 5:3 \xo*\xt I Sam 16:13\xt*\x*yo te onksyone David wa sou Israël. \p \v 4 David te gen laj a \x + \xo 5:4 \xo*\xt Nonb 4:3\xt*\x*trantan lè l te devni wa. Li te renye pandan karantan. \v 5 Nan Hébron, \x + \xo 5:5 \xo*\xt II Sam 2:11\xt*\x*li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda. \p \v 6 \x + \xo 5:6 \xo*\xt I Kwo 11:4-9\xt*\x*Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.” \v 7 Sepandan, David te kaptire fòterès Sion an, sa vle di, \x + \xo 5:7 \xo*\xt II Sam 6:12-16\xt*\x*“vil David la”. \v 8 David te di nan jou sa a: “Nenpòt moun ki va frape Jebizyen yo, kite li rive kote bwate yo avèk avèg yo, ki rayi pa nanm David, pa kanal dlo a.” Akoz sa, yo konn di: “Avèg ak bwate p ap antre nan kay la.” \p \v 9 Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan. \v 10 \x + \xo 5:10 \xo*\xt II Sam 3:1\xt*\x*David te devni gran e pi gran, paske SENYÈ a, Bondye dèzame yo te avèk li. \v 11 \x + \xo 5:11 \xo*\xt I Wa 5:1-18\xt*\x*Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David. \v 12 Konsa, David te vin wè ke SENYÈ a te etabli li kòm wa sou Israël, ke Li te egzalte wayòm li an pou koz pèp Li a, Israël. \p \v 13 Antretan, \x + \xo 5:13 \xo*\xt Det 17:17\xt*\x*David te pran plis ti mennaj avèk madanm soti Jérusalem lè l fin kite Hébron; epi plis fis avèk fi te fèt pou David. \v 14 Alò, \x + \xo 5:14 \xo*\xt I Kwo 3:5-8\xt*\x*sila yo se non a sila ki te fèt pou li Jérusalem yo: Schammua, Schobab, Nathan, Salomon, \v 15 Jibhar, Élishua, Népheg, Japhia, \v 16 Élischama, Éliada, Éliphéleth. \p \v 17 Lè Filisten yo te tande ke yo te onksyone David wa sou Israël, \x + \xo 5:17 \xo*\xt I Sam 29:1\xt*\x*tout Filisten yo te monte pou chache jwenn David. Lè David te tande sa, li te desann nan fò a. \v 18 Alò, Filisten yo te vin gaye yo nan \x + \xo 5:18 \xo*\xt Jen 14:5\xt*\x*vale Rephaïm nan. \v 19 Konsa, \x + \xo 5:19 \xo*\xt I Sam 23:2\xt*\x*David te mande konsèy a SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men mwen?” \p SENYÈ a te reponn a David: “Monte, paske vrèman, Mwen va livre Filisten yo nan men ou.” \p \v 20 Konsa, David te vini \x + \xo 5:20 \xo*\xt I Kwo 14:11\xt*\x*Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim. \v 21 Yo te abandone zidòl yo la. Pou sa, \x + \xo 5:21 \xo*\xt I Kwo 14:12\xt*\x*David avèk mesye li yo te pote yo ale. \p \v 22 Alò, \x + \xo 5:22 \xo*\xt II Sam 5:18\xt*\x*Filisten yo te monte yon fwa ankò. Yo te gaye yo nan vale Rephaïm nan. \v 23 Lè \x + \xo 5:23 \xo*\xt II Sam 5:19\xt*\x*David te mande konsèy a SENYÈ a, Li te di: “Ou pa pou monte. Ansèkle jis pa dèyè yo e vini sou yo pa devan pye sikomò yo. \v 24 Li va rive, ke lè ou tande son mache a sou tèt bwa yo; alò, ou va aji vit, paske se nan lè sa a ke \x + \xo 5:24 \xo*\xt Jij 4:14\xt*\x*SENYÈ a ap gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten an.” \p \v 25 Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer. \c 6 \p \v 1 \x + \xo 6:1 \xo*\xt I Kwo 13:5-14\xt*\x*Alò, David te ankò ranmase tout mesye chwazi an Israël yo nan kantite trant-mil. \v 2 Li te leve pou te ale avèk tout moun ki te avèk li yo Baalé-Juda, pou fè monte soti la, lach Bondye ki rele pa \x + \xo 6:2 \xo*\xt Lev 24:16\xt*\x*Non an, vrè non dirèk SENYÈ dèzame yo ki enstale sou twòn anwo cheriben an. \v 3 Yo te plase lach Bondye a sou yon \x + \xo 6:3 \xo*\xt Nonb 7:4-9\xt*\x*kabwa tounèf pou yo te kab mennen li soti lakay Abinadab ki te sou ti kolin nan. Se te Uzza avèk Achjo, fis Abinadab la, ki te mennen kabwèt nèf la. \v 4 Konsa, \x + \xo 6:4 \xo*\xt I Sam 18:6-7\xt*\x*yo te mennen li avèk lach Bondye a soti lakay Abinadab, ki te sou ti kolin nan. Achjo t ap mache devan lach la. \v 5 Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a \x + \xo 6:5 \xo*\xt I Sam 18:6-7\xt*\x*t ap selebre devan SENYÈ a \x + \xo 6:5 \xo*\xt I Kwo 13:8\xt*\x*avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk lap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal. \p \v 6 Men lè yo te rive nan glasi Nacon an, Uzza te \x + \xo 6:6 \xo*\xt Nonb 4:15-20\xt*\x*lonje men l vè lach Bondye a pou te kenbe li, paske bèf kabwèt yo te manke tonbe. \v 7 Konsa, kòlè SENYÈ a te brile kont Uzza, epi \x + \xo 6:7 \xo*\xt I Sam 6:19\xt*\x*Bondye te frape li la pou mank respè li a. Li te mouri la akote lach BONDYE a. \v 8 David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a kont Uzza e plas sa a te vin rele Pérets-Uzza (kase antre a Uzza) jis rive jodi a. \v 9 Konsa, \x + \xo 6:9 \xo*\xt Sòm 119:120\xt*\x*David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?” \v 10 Konsa, David pa t dakò pou deplase lach la antre nan vil David la avèk li; men David te mennen li akote, pou l rive kay \x + \xo 6:10 \xo*\xt I Kwo 26:4-8\xt*\x*Obed-Édom, Gatyen an. \v 11 Konsa, lach SENYÈ a te rete lakay Obed-Édom an, Gatyen an, pandan twa mwa e SENYÈ a te beni Obed-Édom avèk tout lakay li. \v 12 Alò, yo te pale a wa David, e te di: “SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a.” \p \x + \xo 6:12 \xo*\xt I Kwo 15:25-29 \xt*\x*Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan. \v 13 Lè \x + \xo 6:13 \xo*\xt Nonb 4:15\xt*\x*pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra. \v 14 Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te \x + \xo 6:14 \xo*\xt Egz 19:5\xt*\x*abiye avèk yon efòd fèt ak len. \v 15 Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt. \p \v 16 Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l. \v 17 Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li \x + \xo 6:17 \xo*\xt I Kwo 15:1\xt*\x*nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a. \v 18 Lè David te fin ofri ofrann brile avèk ofrann lapè yo, \x + \xo 6:18 \xo*\xt I Wa 8:14-15\xt*\x*li te beni pèp la nan non SENYÈ dèzame a. \v 19 Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo. \p \v 20 Men lè David te retounen pou beni lakay li, Mical, fi a Saül la, te vin parèt pou rankontre David e te di: “Men kijan wa Israël la te onore pwòp tèt li jodi a! Li te dekouvri li menm jodi a nan zye a tout bòn kay ak sèvitè li yo kòm yon nonm ensanse san wont ta vin dekouvri kò li.” \p \v 21 Konsa, David te di a Mical: “Devan SENYÈ a\x + \xo 6:21 \xo*\xt I Sam 13:14\xt*\x*ki te chwazi mwen an olye de papa ou e olye de tout kay li a, pou vin dezinye mwen chèf sou pèp SENYÈ a, sou Israël; pou sa, mwen va selebre devan SENYÈ a. \v 22 Mwen va vin konte pa lòt moun kòm pi lejè ke sa, e mwen va vin enb nan pwòp zye m, men avèk bòn sila ke ou te pale yo; avèk yo, mwen va vin onore.” \p \v 23 Mical, fi a Saül la, pa t fè pitit jis rive jou ke li te mouri an. \c 7 \p \v 1 \x + \xo 7:1 \xo*\xt I Kwo 17:1-27\xt*\x*Alò, li te vin rive ke pandan wa a te rete lakay li a, e SENYÈ a te ba li repo tout kote sou lènmi li yo, \v 2 ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan \x + \xo 7:2 \xo*\xt II Sam 5:11\xt*\x*yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a \x + \xo 7:2 \xo*\xt Egz 26:1\xt*\x*rete anndan yon tant ki fèt ak rido.” \p \v 3 Nathan te di a wa a: \x + \xo 7:3 \xo*\xt I Wa 8:17-18\xt*\x*“Ale, fè tout sa ki nan tèt ou, paske SENYÈ a avèk ou.” \p \v 4 Men nan menm nwit lan, pawòl SENYÈ a te vini a Nathan e te di: \v 5 “Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, \x + \xo 7:5 \xo*\xt I Wa 5:3-4\xt*\x*“Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann? \v 6 Paske Mwen pa t rete nan yon kay depi jou ke M te mennen fè sòti fis Israël yo an Égypte, jis rive jodi a. Men Mwen te konn deplase patou nan yon \x + \xo 7:6 \xo*\xt Egz 40:18-34\xt*\x*tant, menm yon tabènak. \v 7 \x + \xo 7:7 \xo*\xt Lev 26:11-12\xt*\x*Nenpòt kote ke M te ale avèk tout fis Israël yo, èske M te pale yon sèl pawòl avèk youn nan tribi a Israël yo, \x + \xo 7:7 \xo*\xt II Sam 5:2\xt*\x*ke M te kòmande pou fè bèje a pèp Mwen an, Israël, pou di: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay ki fèt an sèd?’ \v 8 Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; \x + \xo 7:8 \xo*\xt I Sam 16:11-12\xt*\x*Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël. \v 9 Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen \x + \xo 7:9 \xo*\xt Sòm 18:37-42\xt*\x*te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo. \v 10 Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen \x + \xo 7:10 \xo*\xt Egz 15:17\xt*\x*va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan, \v 11 menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi \x + \xo 7:11 \xo*\xt II Sam 7:1\xt*\x*Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou. \v 12 Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, \x + \xo 7:12 \xo*\xt I Wa 8:20\xt*\x*Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li. \v 13 \x + \xo 7:13 \xo*\xt I Wa 6:12\xt*\x*Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan. \v 14 \x + \xo 7:14 \xo*\xt Sòm 89:26-27\xt*\x*Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. \x + \xo 7:14 \xo*\xt I Wa 11:34\xt*\x*Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. \v 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li \x + \xo 7:15 \xo*\xt I Sam 15:23\xt*\x*jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an. \v 16 \x + \xo 7:16 \xo*\xt II Sam 7:13\xt*\x*Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’” \v 17 An akò avèk tout pawòl sila yo, tout vizyon sila yo, Nathan te pale avèk David. \p \v 18 Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: \x + \xo 7:18 \xo*\xt Egz 3:11\xt*\x*“Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la? \v 19 Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, \x + \xo 7:19 \xo*\xt II Sam 7:11-16\xt*\x*paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi \x + \xo 7:19 \xo*\xt És 55:8-9\xt*\x*sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE \v 20 Ankò, ki bagay anplis David kab di Ou? Paske \x + \xo 7:20 \xo*\xt I Sam 16:7\xt*\x*Ou konnen sèvitè Ou a, O Mèt, BONDYE! \v 21 \x + \xo 7:21 \xo*\xt I Kwo 17:19\xt*\x*Pou koz a pawòl Ou e selon pwòp kè Ou, Ou te fè tout gwo bagay sila yo pou fè sèvitè Ou konnen. \v 22 Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske \x + \xo 7:22 \xo*\xt Egz 15:11\xt*\x*nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou. \v 23 Epi ki lòt \x + \xo 7:23 \xo*\xt Det 4:32-38\xt*\x*nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson pou Li menm kòm yon pèp, e pou fè yon non pou Li menm; pou fè yon gran bagay pou Ou ak bagay mèvèy pou peyi Ou a, devan pèp ke Ou te peye ranson pou kont Ou sòti an Égypte la, nan mitan nasyon yo, avèk dye pa yo. \v 24 Paske \x + \xo 7:24 \xo*\xt Det 32:6\xt*\x*Ou te etabli pou kont Ou, pèp Ou a, Israël kòm pèp Ou pou tout tan, e Ou menm, O SENYÈ a te devni Bondye pa yo. \p \v 25 “Pou sa, koulye a, O SENYÈ Bondye, pawòl ke Ou te pale konsènan sèvitè Ou avèk lakay li a, konfime nèt e fè jan Ou te pale a. \v 26 \x + \xo 7:26 \xo*\xt Sòm 72:18-19\xt*\x*Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’ \v 27 Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: \x + \xo 7:27 \xo*\xt II Sam 7:13\xt*\x* ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm. \p \v 28 “Alò, O Senyè BONDYE, Ou se Bondye. \x + \xo 7:28 \xo*\xt Egz 34:6\xt*\x*Pawòl Ou se verite e Ou te pwomèt bon bagay sila a a sèvitè pa Ou a. \v 29 Alò, pou sa, pou li kapab fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè pa Ou a, pou li kapab kontinye pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O Senyè BONDYE, te pale; epi \x + \xo 7:29 \xo*\xt Nonb 6:24-26\xt*\x*avèk benediksyon pa Ou, pou lakay sèvitè Ou a kapab beni pou tout tan.” \c 8 \p \v 1 \x + \xo 8:1 \xo*\xt I Kwo 18\xt*\x*Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo. \v 2 \x + \xo 8:2 \xo*\xt Nonb 24:17\xt*\x*Li te bat \x + \xo 8:2 \xo*\xt I Sam 22:3-4\xt*\x*Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa. \p \v 3 Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan \x + \xo 8:3 \xo*\xt II Sam 10:15-19\xt*\x*li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la. \v 4 David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. \x + \xo 8:4 \xo*\xt Jos 11:6-9\xt*\x*Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha. \v 5 Lè \x + \xo 8:5 \xo*\xt I Wa 11:22-35\xt*\x*Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen. \v 6 Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. \x + \xo 8:6 \xo*\xt II Sam 8:2\xt*\x*Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. \v 7 David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem. \v 8 Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz. \p \v 9 Alò lè Thoï, wa a \x + \xo 8:9 \xo*\xt I Wa 8:65\xt*\x*Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a. \v 10 Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz. \v 11 Wa David te \x + \xo 8:11 \xo*\xt I Wa 7:51\xt*\x*dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: \v 12 Soti nan Syrie avèk \x + \xo 8:12 \xo*\xt II Sam 8:2\xt*\x*Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a. \p \v 13 Konsa, \x + \xo 8:13 \xo*\xt II Sam 7:9\xt*\x*David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan \x + \xo 8:13 \xo*\xt II Wa 14:7\xt*\x*Vale Sèl la. \v 14 Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout \x + \xo 8:14 \xo*\xt Jen 27:37-40\xt*\x*Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. \p \v 15 David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a. \v 16 \x + \xo 8:16 \xo*\xt I Kwo 11:6\xt*\x*Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te \x + \xo 8:16 \xo*\xt II Wa 18:18-37\xt*\x*grefye a. \v 17 \x + \xo 8:17 \xo*\xt I Kwo 6:4-8\xt*\x*Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè. \v 18 Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou \x + \xo 8:18 \xo*\xt II Sam 15:18\xt*\x*Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo. \c 9 \p \v 1 Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, \x + \xo 9:1 \xo*\xt I Sam 20:14-42\xt*\x*pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?” \v 2 Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li: \p “Èske ou se \x + \xo 9:2 \xo*\xt II Sam 16:1-4\xt*\x*Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.” \p \v 3 Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?” \p Epi Tsiba te di a wa a: \x + \xo 9:3 \xo*\xt II Sam 4:4\xt*\x*“Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.” \p \v 4 Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li \x + \xo 9:4 \xo*\xt II Sam 17:27-29\xt*\x*nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.” \p \v 5 Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar. \v 6 \x + \xo 9:6 \xo*\xt II Sam 16:4\xt*\x*Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?” \p Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!” \p \v 7 David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen \x + \xo 9:7 \xo*\xt II Sam 12:8 \xt*\x*va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.” \p \v 8 Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade \x + \xo 9:8 \xo*\xt II Sam 15:9 \xt*\x*yon chen mouri tankou mwen?” \p \v 9 Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: \x + \xo 9:9 \xo*\xt II Sam 16:4 \xt*\x*“Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a. \v 10 Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, \x + \xo 9:10 \xo*\xt II Sam 19:28\xt*\x*va manje tout tan sou tab mwen.” \p Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè. \v 11 Epi Tsiba te di a wa a: “Selon \x + \xo 9:11 \xo*\xt II Sam 16:1-4\xt*\x*tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo. \v 12 Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth. \v 13 Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li. \c 10 \p \v 1 \x + \xo 10:1 \xo*\xt I Kwo 19:1-19\xt*\x* Li te vin rive apre ke wa a Amoreyen an te mouri e Hanun, fis li a, te devni wa nan plas li. \v 2 Konsa, David te di: “Mwen va montre bòn volonte mwen a Hanun, fis a \x + \xo 10:2 \xo*\xt I Sam 11:1\xt*\x*Nachasch la, jis jan ke papa li te montre m bòn volonte a.” Konsa, David te voye kèk nan sèvitè li yo pou konsole li konsènan papa li. Konsa, sèvitè a David yo te rive nan peyi Amonit yo. \p \v 3 Men prens a Amonit yo te di a Hanun, mèt pa yo a: “Èske ou kwè ke David ap onore papa ou akoz li te voye moun konsole ou? \x + \xo 10:3 \xo*\xt Jen 42:9-16\xt*\x*Èske David pa t pito voye sèvitè li yo kote ou pou fè ankèt vil la, pou espyone ak boulvèse li?” \p \v 4 Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te \x + \xo 10:4 \xo*\xt És 20:4\xt*\x*koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale. \v 5 Lè yo te pale David sa, li te voye rankontre yo, paske mesye yo te imilye anpil. Epi wa a te di: “Rete Jéricho jiskaske bab nou vin pouse e konsa, retounen.” \p \v 6 Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke \x + \xo 10:6 \xo*\xt Jen 34:30\xt*\x*yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm. \v 7 Lè David te tande sa, li te voye Joab avèk tout lame mesye vanyan yo. \v 8 Fis a Ammon yo te vin parèt. Yo te ranje yo nan chan batay la \x + \xo 10:8 \xo*\xt I Kwo 19:9\xt*\x*devan antre vil la, pandan Siryen a Tsoba yo avèk Rehob, mesye a Tob yo avèk Maaca pou kont yo te nan chan an. \v 9 Alò, lè Joab te wè ke batay la te ranje kont li pa devan kon pa dèyè, li te seleksyone pami mesye pi chwazi an Israël yo pou te ranje yo kont Siryen yo. \v 10 Men rès nan pèp la, li te plase yo nan men Abischaï, frè li a e li te ranje yo kont fis Ammon yo. \v 11 Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou. \v 12 Pran kouraj e kite nou parèt ak tout fòs nou pou koz a pèp nou an e pou vil Bondye pa nou an. \x + \xo 10:12 \xo*\xt I Sam 3:18\xt*\x*Ke SENYÈ a kapab fè sa ki bon nan zye Li.” \v 13 Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e \x + \xo 10:13 \xo*\xt I Wa 20:13-21\xt*\x*yo te sove ale devan yo. \v 14 Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, \x + \xo 10:14 \xo*\xt II Sam 11:1\xt*\x*Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem. \p \v 15 Lè Siryen yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te vin rasanble ansanm. \v 16 \x + \xo 10:16 \xo*\xt II Sam 8:3-8\xt*\x*Epi Hadarézer te voye chache Siryen ki te pi lwen Rivyè Euphrate la pou yo te vini Hélam. Schobac, Kòmandan a lame a Hadarézer a te sou tèt yo. \v 17 Alò, lè sa te pale a David, li te rasanble tout Israël ansanm e te travèse Jourdain an pou te rive vè Hélam. Konsa, Siryen yo te alinye yo pou rankontre David e te goumen kont li. \v 18 Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye \x + \xo 10:18 \xo*\xt I Kwo 19:18\xt*\x*sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la. \v 19 Lè tout wa yo, sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te pèdi devan Israël, \x + \xo 10:19 \xo*\xt II Sam 8:6\xt*\x*yo te fè lapè avèk Israël pou te sèvi yo. Konsa, Siryen yo te vin gen krent pou ede fis a Ammon yo ankò. \c 11 \p \v 1 \x + \xo 11:1 \xo*\xt I Kwo 20:1\xt*\x*Alò, li te fèt pandan prentan an, lè ke wa yo konn sòti batay, ke David te voye Joab, ansanm avèk sèvitè li yo ak tout Israël. Yo te detwi fis a Ammon yo e yo te fè syèj nan Rabba, men David te rete Jérusalem. \v 2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure \x + \xo 11:2 \xo*\xt Mat 24:17\xt*\x*twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li. \v 3 Konsa, David te voye mande konsèy sou fanm sa a. Epi youn te di: “Èske sa se pa Bath-Schéba, fis a Éliam nan, fanm a Urie a, Itit la?” \p \v 4 David te voye mesaje pran li. Lè li te parèt kote li, \x + \xo 11:4 \xo*\xt Jc 1:14-15\xt*\x*li te kouche avèk li ( paske li te fin pirifye tèt li de salte a). Epi li te retounen lakay li. \v 5 Fanm nan te vin ansent. Li te voye di David: \x + \xo 11:5 \xo*\xt Lev 20:10\xt*\x*“Mwen ansent.” \p \v 6 Konsa, David te voye kote Joab. Li te di: “Voye ban mwen Urie, Itit la.” Konsa, Joab te voye Urie kote David. \v 7 Lè Urie te vin kote li, \x + \xo 11:7 \xo*\xt Jen 37:14\xt*\x*David te mande pa sikonstans a Joab avèk tout pèp la ak jan lagè a te mache a. \v 8 Alò, David te di a Urie: “Desann lakay ou pou \x + \xo 11:8 \xo*\xt Jen 43:24\xt*\x*lave pye ou.” Epi Urie te desann sòti lakay wa, a e yon kado soti nan men wa a te voye ba li. \v 9 Men Urie te dòmi \x + \xo 11:9 \xo*\xt I Wa 14:27-28\xt*\x*kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li. \v 10 Alò, lè yo te di David: “Urie pa t desann lakay li,” David te di a Urie: “Èske ou pa t fenk fin fè yon vwayaj? Poukisa konsa ou pa t desann lakay ou?” \p \v 11 Urie te di a David: “Lach la menm avèk Israël avèk Juda ap rete nan tant yo; epi mèt mwen, Joab avèk sèvitè a mèt mwen yo ap fè kan nan chan louvri. Konsa, kijan mwen kapab ale lakay mwen pou manje bwè e kouche avèk madanm mwen? Pa lavi ou ak lavi nanm ou menm, mwen p ap fè bagay sa a.” \p \v 12 Alò, David te di a Urie: \x + \xo 11:12 \xo*\xt Job 20:12-14 \xt*\x*“Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a. \v 13 Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te \x + \xo 11:13 \xo*\xt Pwov 20:1 \xt*\x*fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li. \v 14 Alò, nan maten, David \x + \xo 11:14 \xo*\xt I Wa 21:8-10\xt*\x*te ekri yon lèt a Joab pou te voye li nan men Urie. \v 15 Li te ekri nan lèt la, e te di: “Mete Urie pa devan nan chan kote batay la pi rèd la e retounen kite li, pou l kab \x + \xo 11:15 \xo*\xt II Sam 12:9\xt*\x* tonbe mouri.” \p \v 16 Konsa, se te pandan Joab t ap veye vil la, ke li te mete Urie nan plas kote li te konnen lènmi an te gen mesye vanyan yo. \v 17 Mesye vil yo te sòti goumen kont Joab, kèk nan moun pami sèvitè a David yo te tonbe. Epi \x + \xo 11:17 \xo*\xt II Sam 1:21\xt*\x*Urie, Itit la te mouri tou. \v 18 Alò, Joab te voye bay rapò a David selon tout evenman lagè a. \v 19 Li te kòmande mesaje a, e te di: “Lè ou fin pale tout afè lagè yo a wa a, \v 20 epi li vin rive ke kòlè leve nan wa a e li di ou: ‘Poukisa ou te pwoche pre vil la konsa pou goumen? Èske ou pa t konnen ke yo ta tire soti sou miray la? \v 21 Se kilès ki te \x + \xo 11:21 \xo*\xt Jij 9:50-54\xt*\x*frape Abimélec, fis a Jerubbéscheth la? Èske se pa yon fanm ki te jete yon wòch moulen sou li soti nan miray ki fè l mouri Thébets la? Poukisa ou te pwoche pre miray la?’ epi ou va di: ‘Sèvitè ou a Urie, Itit la, te mouri tou.’” \p \v 22 Konsa, mesaje a te pati pou te vin bay rapò a David, de tout sa ke Joab te voye li pale yo. \v 23 Mesaje a te di a David: “Mesye yo te genyen sou nou e te sòti kont nou nan chan an; men nou te peze yo rèd jis rive nan antre pòtay la. \v 24 Anplis, mesye banza yo te tire sou sèvitè ou yo soti nan miray la. Konsa, kèk nan sèvitè ou yo mouri, e sèvitè ou a, Urie, Etyen an mouri osi.” \p \v 25 Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.” \p \v 26 Alò, lè madanm a Urie te tande ke Urie, mari li a, te mouri, \x + \xo 11:26 \xo*\xt Det 34:8\xt*\x*li te kriye pou mari li. \v 27 Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, \x + \xo 11:27 \xo*\xt II Sam 12:9\xt*\x*li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men \x + \xo 11:27 \xo*\xt Sòm 51:4-5\xt*\x*bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a. \c 12 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te voye \x + \xo 12:1 \xo*\xt II Sam 7:2-17\xt*\x*Nathan kote David. Li te vin kote li e te di: “Te genyen de mesye nan yon vil, youn te rich e lòt la te pòv. \v 2 Nonm rich la te gen anpil bann mouton avèk twoupo, \v 3 men pòv la, pa t gen anyen sof ke \x + \xo 12:3 \xo*\xt II Sam 11:3\xt*\x*yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li. \v 4 Alò, yon vwayajè te vin kote nonm rich la e li pa t dakò retire nan pwòp bann mouton ak twoupo pa li yo, pou fè pwovizyon pou li. Sof ke sa, li te pran mouton femèl a pòv sila pou prepare pou nonm ki te rive kote li a.” \p \v 5 Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a \x + \xo 12:5 \xo*\xt I Sam 26:16\xt*\x*merite lanmò. \v 6 Fòk li bay rekonpans pou ti mouton an \x + \xo 12:6 \xo*\xt Egz 22:1\xt*\x*kat fwa; paske li te fè bagay sa a san pitye.” \p \v 7 Alò, Nathan te di David: \x + \xo 12:7 \xo*\xt I Wa 20:42\xt*\x*“Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: \x + \xo 12:7 \xo*\xt I Sam 16:3\xt*\x*‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül. \v 8 Se Mwen menm tou ki te ba ou \x + \xo 12:8 \xo*\xt II Sam 9:7\xt*\x*lakay mèt ou a ak madanm a mèt ou yo pou ou ta pran swen e Mwen te ba ou lakay Israël la avèk Juda. Epi si sa te twò piti, mwen t ap menm ajoute ba ou ankò anpil lòt bagay tankou sila yo! \v 9 Poukisa ou \x + \xo 12:9 \xo*\xt I Sam 15:23-26\xt*\x*te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo. \v 10 Koulye a, pou sa, \x + \xo 12:10 \xo*\xt II Sam 13:28\xt*\x*nepe p ap janm kite lakay ou, akoz ou te meprize Mwen e te pran madanm a Urie, Itit la pou devni madanm ou.’ \p \v 11 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè leve mal kont ou soti nan pwòp kay ou. \x + \xo 12:11 \xo*\xt Det 28:30\xt*\x*Mwen va menm pran madanm ou yo devan zye ou e bay a zanmi parèy ou e li va kouche avèk madanm ou yo gwo lajounen. \v 12 Anverite, \x + \xo 12:12 \xo*\xt II Sam 11:4-15\xt*\x*ou te fè l an sekrè; men \x + \xo 12:12 \xo*\xt II Sam 16:22\xt*\x*Mwen va fè bagay sa a devan tout Israël ak anba solèy la.’” \p \v 13 Epi David te di a Nathan: \x + \xo 12:13 \xo*\xt I Sam 15:24-30\xt*\x*“Mwen te peche kont SENYÈ a.” \p Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri. \v 14 Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.” \v 15 Konsa, Nathan te ale lakay li. \p Epi SENYÈ a te frape pitit ke vèv Urie te fè pou David la, jiskaske li te vin byen malad. \v 16 Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te \x + \xo 12:16 \xo*\xt Né 4:1\xt*\x*fè jèn e li te ale \x + \xo 12:16 \xo*\xt II Sam 13:31\xt*\x*kouche tout nwit lan atè. \v 17 \x + \xo 12:17 \xo*\xt Jen 24:2\xt*\x*Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo. \v 18 Konsa, li te vin rive nan setyèm jou a ke pitit la te vin mouri. Epi sèvitè a David yo te krent pou di l ke pitit la te mouri, paske yo te di: “Gade byen, pandan pitit la te vivan an, nou te pale avèk li e li pa t tande vwa nou. Konsa, kòman nou kab di li ke pitit la mouri, paske li kab fè tèt li mal?” \p \v 19 Men lè David te wè ke sèvitè li yo t ap pale an kachèt ansanm, David te apèsi ke pitit la te mouri. Pou sa, David te di a sèvitè li yo: “Èske pitit la mouri?” \p Yo te di: “Li mouri.” \p \v 20 Konsa, David te leve soti atè a. \x + \xo 12:20 \xo*\xt Rt 3:3\xt*\x*Li te lave tèt li, li te onksyone kò l, e li te chanje rad li. Konsa, li te antre lakay SENYÈ a pou te adore. Epi li te vin nan pwòp kay li. Lè li te mande, yo te mete manje devan li pou l te manje. \v 21 Sèvitè li yo te di li: “Se ki bagay sa ou te fè a? Pandan pitit la te vivan an, ou te fè jèn e te kriye, men lè pitit la te mouri, ou te leve pou te manje.” \p \v 22 Li te di: “Pandan pitit la te vivan an, mwen te fè jèn e te kriye; paske mwen te di: \x + \xo 12:22 \xo*\xt Jon 3:9\xt*\x*‘Kilès ki te kab konnen, SENYÈ a ta kab petèt fè m gras, pou pitit la te kab viv.’ \v 23 Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men \x + \xo 12:23 \xo*\xt Job 7:8-10\xt*\x*li p ap retounen kote mwen.” \p \v 24 Konsa, David te rekonfòte madanm li, Bath-Schéba. Li te antre nan li e li te kouche avèk li. Li te bay nesans a yon fis e li \x + \xo 12:24 \xo*\xt I Kwo 22:9\xt*\x*te rele li Salomon. Alò, SENYÈ a te renmen li. \v 25 Li te voye nouvèl la pa Nathan, pwofèt la e Nathan te rele li Jedidja pou koz SENYÈ a. \p \v 26 \x + \xo 12:26 \xo*\xt I Kwo 20:1-3\xt*\x*Alò, Joab te goumen kont Rabba, moun nan fis Ammon yo, e li te kaptire vil wayal la. \v 27 Joab te voye mesaje yo a David. Li te di: “Mwen te goumen kont Rabba e te kaptire vil dlo yo. \v 28 Pou sa, rasanble rès pèp la, e fè kan kont vil la oswa, ma pran pou kont mwen pou l gen non pa m nan.” \p \v 29 Konsa, David te rasanble tout pèp la pou te ale Rabba. Li te goumen kont li e te kaptire li. \v 30 \x + \xo 12:30 \xo*\xt I Kwo 20:2\xt*\x*Li te pran kouwòn a wa pa yo a soti nan tèt li. Li te peze yon talan (anviwon trann-kat kilo) an lò, e ladann yon kantite pyè presye. Yo te mete li sou tèt David. Epi li te mennen piyaj la deyò vil la an gran kantite. \v 31 Anplis, li te mennen moun ki te ladann l deyò. Li te \x + \xo 12:31 \xo*\xt I Kwo 20:3\xt*\x*fè yo travay ak si, avèk pikwa, ak rach an fè, e te fè yo travay nan fou brik. Se konsa li te fè a tout vil ki te pou fis Ammon yo. Epi David avèk tout moun li yo te retounen Jérusalem. \c 13 \p \v 1 Pi tà, apre sa \x + \xo 13:1 \xo*\xt II Sam 3:2-3\xt*\x* Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li. \v 2 Amnon te tèlman fristre akoz sè li, Tamar, ke sa te fè li vin malad, paske li te vyèj e li te sanble difisil pou Amnon fè yon bagay ak li. \v 3 Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a \x + \xo 13:3 \xo*\xt I Sam 16:9\xt*\x*Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize. \v 4 Li te di li: “O fis a wa a, poukisa ou deprime maten apre maten konsa? Èske ou p ap di m sa?” \p Epi Amnon te di li: “Mwen tonbe nan renmen avèk Tamar, sè a frè m nan, Absalom.” \p \v 5 Alò, Jonadab te di li: “Kouche sou kabann ou e fè kòmsi ou malad. Lè papa ou vin wè ou, di li: ‘Souple, kite sè m nan, Tamar vin ban m manje. Kite li prepare manje a devan zye m, pou mwen kapab wè li e manje manje a soti nan men li.’” \p \v 6 Konsa, Amnon te kouche e te fè tankou li te malad. Lè wa a te vin wè li, Amnon te di a wa a: “Souple, kite sè m nan, Tamar vini \x + \xo 13:6 \xo*\xt Jen 18:6 \xt*\x*fè kèk gato devan zye m, pou m kab manje nan men li.” \p \v 7 Alò, David te voye lakay pou Tamar. Li te di: “Ale koulye a lakay frè ou a, Amnon e prepare manje pou li.” \v 8 Konsa, Tamar te ale lakay Amnon pandan li te kouche a. Li te pran boul pen an, li te fwote l, li te fè gato devan zye li e te kwit gato yo. \v 9 Li te pran chodyè a pou te lonje mete yo devan li, men li te refize manje. Epi Amnon te di: \x + \xo 13:9 \xo*\xt Jen 45:1\xt*\x*“Fè tout moun sòti devan m.” Konsa tout moun te sòti devan li. \v 10 Alò, Amnon te di a Tamar: “Mennen manje a nan chanm dòmi mwen an, pou m kab manje li nan men ou.” Konsa, Tamar te pran gato ke li te fè yo e te mennen yo antre nan chanm dòmi kote frè li a, Amnon. \v 11 Lè li te mennen kote li pou manje, Amnon te \x + \xo 13:11 \xo*\xt Jen 39:12\xt*\x*kenbe li e te di li: “Vin kouche avè m, sè mwen.” \p \v 12 Men li te reponn li: “Non, frè mwen, pa vyole mwen! Paske bagay konsa yo pa fèt an Israël. Pa fè dega sila a! \v 13 Pou mwen menm, kote mwen ta kab livre a wont sa a? Epi pou ou menm, ou va tankou yon moun ranpli avèk foli an Israël. Pou sa, souple, pale avèk wa a, paske \x + \xo 13:13 \xo*\xt Jen 20:12\xt*\x*li p ap anpeche ou pran m.” \p \v 14 Sepandan, li pa t koute li. \x + \xo 13:14 \xo*\xt Lev 18:9\xt*\x*Akoz Amnon te pi fò pase li, li te vyole li, e te kouche avèk li. \v 15 Epi Amnon te vin rayi li avèk yon trè gwo rayisman. Rayisman avèk sila li te rayi li a te pi gran pase renmen avèk sila li te renmen li an. Amnon te di li: “Leve, sòti!” \p \v 16 Men li te di a li: “Non, paske mal sa a ke w ap fè nan voye m ale a pi mal pase lòt ke ou te fè m nan!” \p Men li pa t koute li. \v 17 Alò, li te rele jennonm ki t ap okipe li a, e te di: “Koulye a, jete fanm sa deyò prezans mwen e kadnase pòt la dèyè l.” \p \v 18 Alò, li te genyen yon \x + \xo 13:18 \xo*\xt Jen 37:3-23\xt*\x*rad avèk manch long, paske se te konsa fi vyèj a wa yo te konn abiye an manto. Epi sèvitè l te mennen Tamar deyò e te kadnase pòt la dèyè li. \v 19 \x + \xo 13:19 \xo*\xt Est 4:1\xt*\x*Tamar te mete sann yo sou tèt li e te \x + \xo 13:19 \xo*\xt II Sam 1:11\xt*\x*chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a. \v 20 Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè.” \p Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a. \v 21 Alò, lè David te tande tout koze sila yo, li te vin byen fache. \v 22 Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske \x + \xo 13:22 \xo*\xt Lev 19:17\xt*\x*Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar. \p \v 23 Alò, li te vin rive apre dezan nèt ke Absalom \x + \xo 13:23 \xo*\xt I Sam 25:7\xt*\x*te gen moun pou taye lenn mouton Baal-Hatsor ki toupre Ephraïm, e Absalom te envite tout fis a wa yo. \v 24 Absalom te vin kote wa a e te di: “Gade byen, sèvitè ou a genyen moun k ap taye lenn mouton. Souple, kite wa a avèk sèvitè li yo ale avèk sèvitè ou.” \p \v 25 Men wa a te di a Absalom: “Non, fis mwen, se pa tout moun ki pou ale, paske nou va yon fado pou ou.” Malgre li te ankouraje li, li pa t ale, men li te beni li. \p \v 26 Alò, \x + \xo 13:26 \xo*\xt II Sam 3:27\xt*\x*Absalom te di: “Si se pa sa, souple kite frè m nan, Amnon, ale avèk nou.” \p Epi wa a te di li: “Poukisa li dwe ale avèk ou?” \p \v 27 Men lè Absalom te ankouraje li, li te kite Amnon avèk tout fis a wa yo ale avèk li. \v 28 Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, \x + \xo 13:28 \xo*\xt Jij 19:6-22\xt*\x*lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.” \p \v 29 Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke \x + \xo 13:29 \xo*\xt II Sam 18:9\xt*\x*Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale. \p \v 30 Alò, se te pandan ke yo te nan wout la yon rapò te rive kote David ki te di: “Absalom te frape fè tonbe tout fis a wa yo e nanpwen youn nan yo ki te rete.” \p \v 31 Konsa, wa a te leve. Li \x + \xo 13:31 \xo*\xt II Sam 1:11\xt*\x*te chire rad li e te kouche atè, epi tout sèvitè li yo te kanpe akote avèk rad yo chire. \v 32 \x + \xo 13:32 \xo*\xt II Sam 13:3-5\xt*\x*Jonadab, fis a Schimea a, frè David la, te reponn: “Pa kite mèt mwen an sipoze ke yo te mete a lanmò tout jennonm yo, fis a wa yo. Se sèl Ammon ki mouri. Se sa ki te entansyon Absalom. Afè sa a te vin detèmine depi jou ke li te vyole sè li a, Tamar. \v 33 Alò pou sa, pa kite mèt mwen, wa a, \x + \xo 13:33 \xo*\xt II Sam 19:19\xt*\x*pran rapò sa a a kè, ki vle di ‘tout fis a wa yo mouri’, paske se sèl Amnon ki mouri.” \v 34 Alò, \x + \xo 13:34 \xo*\xt II Sam 13:37-38\xt*\x*Absalom te sove ale deja. Epi jennonm ki te gadyen an te leve zye li gade e vwala, anpil moun t ap vini soti nan wout la dèyè li akote baz mòn nan. \v 35 Jonadab te di a wa a: “Gade byen, men fis a wa yo gen tan vini! Menm jan avèk pawòl sèvitè ou a, se konsa sa fèt.” \v 36 Depi li fin pale a, vwala, fis a wa yo te vini e te leve vwa yo pou te kriye. Konsa, wa la menm, avèk tout sèvitè li yo te kriye byen anmè. \p \v 37 Men Absalom te sove ale e te ale kote \x + \xo 13:37 \xo*\xt II Sam 3:3\xt*\x*Talmaï, fis a Ammihur a, wa a \x + \xo 13:37 \xo*\xt II Sam 14:23-32\xt*\x*Gueschur a. David te kriye fè lamantasyon pou fis li a chak jou. \v 38 \x + \xo 13:38 \xo*\xt II Sam 13:34\xt*\x*Konsa, Absalom te sove ale nan Gueschur e te rete la, pandan twazan. \v 39 Wa David te byen vle ale kote Absalom, paske \x + \xo 13:39 \xo*\xt II Sam 12:19-23\xt*\x*li te pran rekonfò konsènan Amnon, akoz li te mouri. \c 14 \p \v 1 Alò Joab, fis a \x + \xo 14:1 \xo*\xt II Sam 13:39\xt*\x*Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom. \v 2 Pou sa, Joab te voye kote \x + \xo 14:2 \xo*\xt II Sam 23:26\xt*\x*Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou. \v 3 Apre, ale kote wa a, e pale avèk li konsa”. Epi Joab te mete \x + \xo 14:3 \xo*\xt II Sam 14:19\xt*\x*pawòl nan bouch li pou pale. \p \v 4 Alò, lè fanm a Tekoa a te pale a wa a, li te vin tonbe sou figi li e te \x + \xo 14:4 \xo*\xt I Sam 25:23\xt*\x*kouche atè nèt, Li te di: “Sekou, O wa.” \p \v 5 Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?” \p Li te reponn: “Anverite, se yon vèv ke mwen ye, paske mari mwen mouri. \v 6 Sèvant ou an gen de fis. Men yo de te goumen nan chan an e yo pa t gen pèsòn pou separe yo. Konsa, youn te frape lòt e te touye li. \v 7 Koulye a, gade byen, tout fanmi an gen tan leve kont sèvant ou an. Y ap mande m lonje ba yo sila ki te frape frè li a, pou nou kab mete li a lanmò pou lavi a frè l ke li te touye a, e \x + \xo 14:7 \xo*\xt Mat 21:38\xt*\x* vin detwi eritye a tou. Konsa, yo va etenn sèl chabon limen ki rete a, pou kite mari mwen san non, san rès sou fas tè a.” \p \v 8 Alò, wa a te di a fanm nan: “Ale lakay ou e mwen va bay lòd pou ou menm.” \p \v 9 Fanm Tekoa a te di wa a: “O mèt mwen, wa a, inikite a sou mwen avèk lakay papa m; men kite \x + \xo 14:9 \xo*\xt I Wa 2:33\xt*\x*wa a avèk twòn li an pa koupab.” \p \v 10 Konsa, wa a te di: “Nenpòt moun ki pale avè w, mennen li bò kote m e li p ap touche ou ankò.” \p \v 11 Alò, li te di: “Souple, kite wa a sonje SENYÈ a, \x + \xo 14:11 \xo*\xt Nonb 35:19-21\xt*\x*pou vanjè san an pa kontinye detwi, sof ke sa, y ap detwi fis mwen an.” \p Epi li te di: “Jan SENYÈ a viv la, nanpwen menm yon grenn cheve a fis ou a k ap tonbe atè.” \p \v 12 Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.” \p Li te di: “Pale”. \v 13 Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen \x + \xo 14:13 \xo*\xt II Sam 13:37-38\xt*\x*sila li te ekzile a. \v 14 Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. \x + \xo 14:14 \xo*\xt Nonb 35:15-28\xt*\x*Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.” \v 15 Alò, rezon pou sila ke m vini pou pale pawòl sa a de mèt mwen an, wa a, se ke pèp la te fè m pè; pou sa sèvant pa ou a te di a: ‘Kite mwen pale avèk wa a. Petèt wa a va akonpli demann lan a sèvant li an.’ \v 16 Paske wa a va tande e delivre sèvant li an soti nan men a nonm ki ta detwi ni mwen, ni fis mwen an sou \x + \xo 14:16 \xo*\xt Det 32:9\xt*\x*eritaj Bondye a. \v 17 Alò, sèvant ou an te di: ‘Souple kite pawòl a mèt mwen an, wa a, vin rekonfòte mwen, paske tankou \x + \xo 14:17 \xo*\xt I Sam 29:9\xt*\x*zanj Bondye a, se konsa mèt mwen an, wa a, ye pou distenge sa ki bon avèk sa ki mal. Epi ke SENYÈ a, Bondye pa ou a, kapab avèk ou.’” \p \v 18 Wa a te reponn e te di a fanm nan: “Souple, pa kache pou mwen anyen ke m prè pou mande ou la a.” \p Epi fanm nan te di: “Kite mèt mwen an, wa a, pale, souple.” \p \v 19 Alò, wa a te reponn e te di: “Èske men Joab mele avèk ou nan tout sa?” \p Epi fanm nan te reponn: “Jan nanm ou viv la, mèt mwen an, wa a, pèsòn pa kab vire ni adwat ni agoch nan anyen ke mèt mwen an, wa a, te pale a. \x + \xo 14:19 \xo*\xt II Sam 14:3\xt*\x*Anverite, se te sèvitè ou a, Joab ki te kòmande mwen. Epi se te li ki te mete tout pawòl sa yo nan bouch sèvant ou an, \v 20 pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, \x + \xo 14:20 \xo*\xt II Sam 14:17\xt*\x*tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.” \p \v 21 Alò, wa a te di Joab: “Gade byen, anverite, mwen va fè bagay sa a. Pou sa, ale mennen fè tounen jennonm nan, Absalom.” \p \v 22 Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann lan a sèvitè li a.” \p \v 23 Konsa, Joab te leve ale \x + \xo 14:23 \xo*\xt Det 3:14\xt*\x*Gueschur pou te mennen Absalom Jérusalem. \v 24 Men wa a te di: “Pa kite li wè figi mwen.” \x + \xo 14:24 \xo*\xt II Sam 13:20 \xt*\x*Konsa, Absalom te vire kote pwòp lakay pa li, e li pa t wè figi a wa a. \v 25 Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan \x + \xo 14:25 \xo*\xt Job 2:7\xt*\x*talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm. \v 26 Lè l te konn \x + \xo 14:26 \xo*\xt Éz 14:20\xt*\x*taye cheve li (ki te fèt nan fen chak ane ke li te koupe li; paske li te lou sou li e pou sa, li te koupe l), li te peze cheve a tèt li nan pèz de-san sik selon balans a wa a. \v 27 Pou Absalom te ne twa fis ak yon fi ki te rele \x + \xo 14:27 \xo*\xt II Sam 13:1\xt*\x*Tamar. Se te yon fanm ki te byen bèl. \v 28 Alò, Absalom te viv pandan dezan konplè Jérusalem e pa t wè figi a wa a. \v 29 Apre, Absalom te voye dèyè Joab, pou l ta voye li kote wa a, men Joab te refize vin kote li. Konsa, li te voye ankò yon dezyèm fwa, men li pa t vini. \v 30 Pou sa, li te pale a sèvitè yo pa li menm: “Gade, \x + \xo 14:30 \xo*\xt Jij 15:3-5\xt*\x*chan Joab la akote pa m nan ki gen sereyal lòj. Ale mete dife ladann”. Konsa sèvitè Absalom yo te mete dife nan chan an. \p \v 31 Alò, Joab te leve rive kote Absalom lakay li a. Li te di li: “Poukisa sèvitè ou yo te lage dife nan chan mwen an?” \p \v 32 Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.”’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e \x + \xo 14:32 \xo*\xt I Sam 20:8\xt*\x* si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.” \p \v 33 Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e \x + \xo 14:33 \xo*\xt Jen 33:4\xt*\x*wa a te bo Absalom. \c 15 \p \v 1 Alò, li te rive apre sa ke Absalom te fè pwovizyon pou tèt li yon cha avèk cheval ak senkant mesye pou kouri devan li. \v 2 Absalom te konn leve granmmaten e \x + \xo 15:2 \xo*\xt Rt 4:1\xt*\x*kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?” \p Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.” \p \v 3 Alò, Absalom ta di a li: “Ou wè, \x + \xo 15:3 \xo*\xt Pwov 12:2\xt*\x*ka ou yo bon e jis; men nanpwen pèsòn ki pou koute ou nan non a wa a.” \v 4 Anplis, Absalom te di: “Oswa ke yon moun ta chwazi mwen jij nan peyi a;\x + \xo 15:4 \xo*\xt Jij 9:29\xt*\x* alò, konsa chak moun ki te gen yon ka oswa yon pwosè ta kapab vin kote mwen e mwen ta ba li jistis.” \v 5 Epi lè yon mesye ta vin kote li pou bese li menm devan li, li ta lonje men li, kenbe li e \x + \xo 15:5 \xo*\xt II Sam 14:33\xt*\x* bo li. \v 6 Nan jan sa a, Absalom te konn aji avèk tout Israël lè yo te pwoche wa a pou jijman. \x + \xo 15:6 \xo*\xt Wo 16:18\xt*\x* Konsa, Absalom te vòlè kè a mesye Israël yo. \p \v 7 Alò, li te rive ke nan fen \x + \xo 15:7 \xo*\xt II Sam 3:2-3\xt*\x* karant ane ke Absalom te di a Wa a: “Souple, kite mwen ale peye ve ke m te fè a SENYÈ a, nan Hébron. \v 8 Paske sèvitè ou a te fè yon ve pandan mwen t ap viv Gueschur Aram, e li te di: \x + \xo 15:8 \xo*\xt Jen 28:20-21\xt*\x* ‘Si SENYÈ a va vrèman mennen mwen retounen Jérusalem; alò, mwen va sèvi SENYÈ a’”. \p \v 9 Wa a te di li: “Ale anpè.” \p Konsa, li te leve ale Hébron. \v 10 Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: \x + \xo 15:10 \xo*\xt I Wa 1:34\xt*\x* “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’” \p \v 11 Konsa, de-san mesye yo te ale avèk Absalom soti Jérusalem. \x + \xo 15:11 \xo*\xt I Sam 9:13\xt*\x*Yo te envite; yo te ale nan inosans, san yo pa konnen anyen. \v 12 Epi Absalom te voye pou \x + \xo 15:12 \xo*\xt II Sam 15:31\xt*\x* Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske \x + \xo 15:12 \xo*\xt Sòm 3:1\xt*\x*moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis. \v 13 Alò, yon mesaje te vin kote David. Li te di: \x + \xo 15:13 \xo*\xt Jij 9:3\xt*\x* “Kè a mesye Israël yo avèk Absalom.” \p \v 14 Konsa, David te di a tout sèvitè ki te avèk li yo Jérusalem: \x + \xo 15:14 \xo*\xt II Sam 12:11\xt*\x*“Leve e annou sove ale, paske si se pa sa, nanpwen nan nou ki va chape de Absalom. Ale vit, oswa li va rive sou nou byen vit, fè gwo malè rive sou nou e frape vil la avèk lam nepe.” \p \v 15 Alò, sèvitè a wa yo te di a wa a: “Gade, sèvitè ou yo va fè nenpòt sa ke wa a vle.” \p \v 16 Konsa, wa a te sòti avèk tout manm lakay li avèk li. Men \x + \xo 15:16 \xo*\xt II Sam 16:21-22\xt*\x* wa a te kite dis nan ti mennaj li yo pou pran swen kay la. \v 17 Wa a te sòti e tout pèp la avèk li, e yo te rete nan dènye kay la. \v 18 Alò, tout sèvitè li yo te pase akote li, \x + \xo 15:18 \xo*\xt II Sam 8:18\xt*\x* tout Keretyen yo avèk tout Peletyen yo ak tout Gatyen yo, sis-san moun ki te vini avèk li soti Gath, te pase devan wa a. \p \v 19 Alò, wa a te di a \x + \xo 15:19 \xo*\xt II Sam 18:2\xt*\x* Ittaï, Gatyen an: “Poukisa ou ta ale avèk nou tou? Retounen rete avèk wa a; paske ou se yon etranje e yon egzile de pwòp plas ou. \v 20 Ayè ou te vini e èske, jodi a, mwen ta dwe fè ou mache egare avèk nou \x + \xo 15:20 \xo*\xt I Sam 23:13\xt*\x* pandan mwen prale kote mwen prale a? Retounen reprann frè ou yo. Ke \x + \xo 15:20 \xo*\xt II Sam 2:6 \xt*\x*gras avèk verite kapab avèk ou.” \p \v 21 Men Ittaï te reponn wa a. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, \x + \xo 15:21 \xo*\xt Rt 1:16-17\xt*\x* nenpòt kote ke mèt mwen an, wa a, ye, kit pou mouri, kit pou viv, se la tou sèvitè ou a va ye.” \p \v 22 Pou sa, David te di Ittaï: “Ale, janbe lòtbò.” Konsa Ittaï, Gatyen an te janbe avèk tout mesye pa li yo ak tout pitit ki te avèk li yo. \v 23 Pandan tout peyi a t ap kriye avèk gwo vwa, tout pèp la te pase janbe. Wa a tou te pase janbe flèv Cédron an, e tout pèp la te pase janbe lòtbò vè chemen dezè a. \v 24 Alò, gade byen, \x + \xo 15:24 \xo*\xt II Sam 8:17\xt*\x* Tsadok te parèt tou, ansanm avèk tout Levit ki t ap pote lach akò Bondye a. Epi yo te poze lach Bondye a e Abithar te monte la jiskaske tout pèp la te fin kite vil la. \v 25 Wa a te di a Tsadok: “Retounen lach Bondye a nan vil la. Si mwen jwenn favè nan zye Bondye; alò, \x + \xo 15:25 \xo*\xt Sòm 43:3\xt*\x* Li va mennen mwen retounen ankò pou montre mwen a Li menm e a \x + \xo 15:25 \xo*\xt Egz 15:13\xt*\x*abitasyon pa Li a. \v 26 Men si Li ta di konsa:\x + \xo 15:26 \xo*\xt I Kwo 21:7\xt*\x* ‘Mwen pa gen kè kontan avè w’, gade byen, men mwen, kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.” \v 27 Wa a te di osi a Tsadok, prèt la: “Èske se pa yon \x + \xo 15:27 \xo*\xt I Sam 9:6-9\xt*\x* divinò ke ou ye? Retounen nan vil la anpè, de fis ou yo avèk ou, fis ou Achimaats, avèk Jonathan, fis a Abiathar a. \v 28 Gade, mwen pral tann \x + \xo 15:28 \xo*\xt Jos 5:10\xt*\x* nan pasaj dezè a jiskaske pawòl ou rive enfòme mwen.” \v 29 Pou sa, Tsadok avèk Abiathar te retounen lach Bondye a Jérusalem e te rete la. \v 30 Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache \x + \xo 15:30 \xo*\xt És 20:2-4\xt*\x* pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale. \p \v 31 Alò, yon moun te pale David e te di: \x + \xo 15:31 \xo*\xt II Sam 15:12\xt*\x* “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” \p Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.” \p \v 32 Li te rive pandan David t ap pwoche krèt mòn nan, kote yo adore Bondye a, ke vwala, Huschaï, \x + \xo 15:32 \xo*\xt Jos 16:2\xt*\x* Achit la, te rankontre li avèk manto li chire ak pousyè sou tèt li. \x + \xo 15:32 \xo*\xt Jos 16:2\xt*\x* \v 33 David te di li: “Si ou janbe lòtbò avè m; alò, ou va \x + \xo 15:33 \xo*\xt II Sam 19:35\xt*\x* ankonbre m. \v 34 Men si ou retounen lavil la e \x + \xo 15:34 \xo*\xt II Sam 16:19\xt*\x* di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen. \v 35 Èske Tsadok avèk Abiathar se pa prèt ki avèk ou la a? Pou sa, \x + \xo 15:35 \xo*\xt II Sam 17:15-16\xt*\x*nenpòt sa ou tande soti lakay wa a, ou va bay rapò a Tsadok avèk Abaithar, prèt yo. \v 36 Gade byen, de fis pa yo a avèk yo la a, Achimaats, fis a Tsadok a e Jonathan, fis a Abaithar a; epi \x + \xo 15:36 \xo*\xt II Sam 17:17\xt*\x* pa yo menm, ou va voye ban mwen tout bagay ke ou tande yo.” \p \v 37 Konsa, Huschaï, zanmi a David la, te antre nan vil la, e Absalom te vini Jérusalem. \c 16 \p \v 1 Alò, lè David te fin depase krèt la, vwala, \x + \xo 16:1 \xo*\xt II Sam 9:2-13\xt*\x* Tsiba, sèvitè a Méphiboscheth la te rankontre li \x + \xo 16:1 \xo*\xt I Sam 25:18\xt*\x*avèk yon pè bourik avèk makout. Sou yo, te gen de-san pen, yon santèn grap rezen, yon santèn fwi gran sezon ak yon veso diven. \v 2 Wa a te di a Tsiba: “Poukisa ou genyen sila yo?” \p Epi Tsiba te di: \x + \xo 16:2 \xo*\xt Jij 10:4\xt*\x* “Bourik yo se pou manm lakay wa yo monte, pen avèk fwi gran sezon an se pou jennonm yo manje e diven an se pou nenpòt moun ki fin pèdi fòs nan dezè a kab bwè.” \p \v 3 Alò, wa a te di: “Epi kote \x + \xo 16:3 \xo*\xt II Sam 9:9-10\xt*\x* fis a mèt ou a?” \p Epi Tsiba te di a wa a: “Men vwala, li rete Jérusalem paske li te di: ‘Jodi a, lakay Israël la va restore wayòm papa m nan a mwen menm.’” \p \v 4 Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.” \p Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!” \p \v 5 Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül \x + \xo 16:5 \xo*\xt II Sam 19:16-23\xt*\x* ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche. \v 6 Li te jete wòch sou David, sou tout sèvitè a Wa David yo e tout mesye gran kouraj yo te sou men dwat li ak sou men goch li. \v 7 Konsa, Schimeï te di pandan li t ap voye madichon yo: “Sòti la, sòti la,\x + \xo 16:7 \xo*\xt II Sam 12:9\xt*\x* moun ki vèse san, sanzave! \v 8 \x + \xo 16:8 \xo*\xt II Sam 21:1-9 \xt*\x* SENYÈ a gen tan mete sou ou tout san koule lakay Saül, nan plas kote ou te renye a! SENYÈ a te lage wayòm nan nan men fis ou, Absalom. Epi gade, ou pran nan pwòp mechanste ou, paske ou se yon nonm ki vèse san!” \p \v 9 Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa \x + \xo 16:9 \xo*\xt II Sam 9:8\xt*\x*chen mouri sa a ta dwe \x + \xo 16:9 \xo*\xt Egz 22:28\xt*\x*modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.” \v 10 Men wa a te di: “Kisa mwen gen avè w, O fis a Tseruja? Si li bay madichon, e si SENYÈ a te di li ‘Modi David’, alò, \x + \xo 16:10 \xo*\xt Wo 9:20\xt*\x*se kilès k ap di: ‘Poukisa ou te fè sa?’” \p \v 11 Alò, David te di a Abischaï e a tout sèvitè li yo: “Gade, \x + \xo 16:11 \xo*\xt II Sam 12:11\xt*\x* fis mwen ki te sòti nan mwen an koulye a ap chache lavi m. Konbyen anplis pou Benjamit sila a? Kite li e kite li bay madichon, paske SENYÈ a te pale li. \v 12 Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e \x + \xo 16:12 \xo*\xt Det 23:5\xt*\x* remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.” \v 13 Konsa, David avèk mesye pa li yo te fè wout yo. Epi Schimeï te mache akote pant mòn nan vizavi de yo menm. Pandan li t ap prale, li te modi, li te jete wòch, e li te jete pousyè bò kote li. \v 14 Wa a avèk tout moun ki te avèk li yo te rive byen fatige, e yo te vin rafrechi la. \p \v 15 Alò, Absalom avèk tout pèp la, mesye Israël yo te antre Jérusalem e Achitophel avèk li. \v 16 Konsa, li te vin rive lè \x + \xo 16:16 \xo*\xt II Sam 15:37\xt*\x* Huschaï, Akyen an, zanmi a David la te rive kote Absalom, ke Huschaï te di: “Viv wa a! Viv wa a!” \p \v 17 Absalom te di Huschaï: “Èske sa se fidelite ou pou zanmi ou? \x + \xo 16:17 \xo*\xt II Sam 19:25\xt*\x* Poukisa ou pa t ale avèk zanmi ou an?” \p \v 18 Epi Huschaï te di a Absalom: “Non, paske sila ke SENYÈ a, pèp sa a e tout mesye Israël yo te chwazi a, se pou li menm, mwen va ye, e avèk li menm, mwen va rete. \v 19 Anplis de sa, \x + \xo 16:19 \xo*\xt II Sam 15:34\xt*\x* se kilès pou m ta sèvi? Se pa nan prezans a fis li a? Jis jan ke m te sèvi nan prezans papa ou a, konsa mwen va ye nan prezans pa w.” \p \v 20 Alò, Absalom te di a Achitophel: “Ban m konsèy pa w Kisa nou dwe fè?” \p \v 21 Achitophel te di a Absalom: \x + \xo 16:21 \xo*\xt II Sam 15:16\xt*\x* “Antre nan ti mennaj papa ou te lese pou okipe kay la; epi tout Israël va tande ke ou te fè tèt ou rayisab a papa ou. Anplis, men a tout sila ki avèk ou yo va vin ranfòse.” \p \v 22 Konsa yo te monte yon tant anwo tèt kay la, epi Absalom te antre nan relasyon seksyèl ak tout konkibin papa l yo, devan zye a tout Israël. \p \v 23 \x + \xo 16:23 \xo*\xt II Sam 17:14,23\xt*\x*Konsèy a Achitophel te konn bay nan jou sa yo te konsidere tankou si yon moun te mande konsèy a pawòl Bondye. \x + \xo 16:23 \xo*\xt II Sam 15:12\xt*\x*Se te konsa tout konsèy Achitophel te ye pou David ak Absalom. \c 17 \p \v 1 Anplis, Achitophel te di a Absalom: “Souple, kite mwen chwazi douz-mil òm pou m kab leve kouri dèyè David aswè a menm. \v 2 \x + \xo 17:2 \xo*\xt II Sam 16:14\xt*\x* Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a \x + \xo 17:2 \xo*\xt I Wa 22:31\xt*\x*mwen va frape touye, \v 3 epi mwen va fè retounen tout moun yo a ou menm. Retou a tout moun yo depann de nonm ou chache a; answit, tout pèp la va \x + \xo 17:3 \xo*\xt Jr 6:14\xt*\x* anpè.” \p \v 4 Konsa, plan an te fè Absalom avèk tout ansyen Israël yo kontan. \v 5 Alò, Absalom te di: “Alò, rele \x + \xo 17:5 \xo*\xt II Sam 15:32-34\xt*\x* Huschaï, Akyen an tou e annou tande sa ke li gen pou di.” \p \v 6 Lè Huschaï te rive a Absalom, Absalom te di li: “Achitophel te pale konsa. Èske nou dwe fè plan pa li a? Si se pa sa, pale.” \p \v 7 Konsa, Huschaï te di a Absalom: \x + \xo 17:7 \xo*\xt II Sam 16:21\xt*\x* “Fwa sa a, konsèy ke Achitophel te bay la, pa bon.” \v 8 Anplis, Huschaï te di: “Ou konnen papa ou avèk mesye pa li yo se mesye plen kouraj e fewòs, \x + \xo 17:8 \xo*\xt Os 13:8\xt*\x* tankou yon lous ki pèdi pitit li nan chan. Epi papa ou gen gwo eksperyans lagè e li p ap pase nwit lan avèk pèp la. \v 9 Gade byen, depi koulye a, li gen tan kache nan youn nan kavèn yo oswa nan yon lòt plas; epi li va rive ke lè li tonbe sou yo nan premye atak la, ke nenpòt moun ki tande va di: ‘Gen yon masak ki fèt pami moun ki swiv Absalom yo.’ \v 10 Epi menm sila ki gen gwo kouraj yo, ki gen kè tankou kè a lyon yo, \x + \xo 17:10 \xo*\xt Jos 2:9-11\xt*\x* va vin pèdi kouraj nèt; paske tout Israël konnen ke papa ou se yon nonm pwisan e sila ki avèk li yo se mesye vanyan. \v 11 Men konsèy pa m se ke tout Israël vin, anverite, rasanble bò kote ou, \x + \xo 17:11 \xo*\xt I Sam 3:20\xt*\x* soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, tankou sab bò lanmè an gran kantite, e ke ou menm, pèsonèlman antre nan batay la. \v 12 Konsa, nou va vini sou li nan plas kote li kapab twouve yo, nou va tonbe sou li \x + \xo 17:12 \xo*\xt Sòm 110:3\xt*\x* tankou lawouze tonbe atè; epi konsènan li avèk tout mesye ki avèk li yo, p ap gen menm youn ki rete. \v 13 Si li retire li nan yon vil, alò, tout Israël va mennen kòd kote vil sila a e yo va \x + \xo 17:13 \xo*\xt Mi 1:6\xt*\x* rale li nèt antre nan vale a jis nanpwen yon ti wòch ki rete.” \p \v 14 Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske \x + \xo 17:14 \xo*\xt II Sam 15:31-34\xt*\x* SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom. \p \v 15 Epi \x + \xo 17:15 \xo*\xt II Sam 15:35-36 \xt*\x*Huschaï te di a Tsadok avèk Abiathar, prèt yo: “Sa se konsèy sa a ke Achitophel te bay Absalom avèk ansyen a Israël yo e se sa ke mwen te konseye. \v 16 Alò, pou sa, voye vit pale David e di: \x + \xo 17:16 \xo*\xt II Sam 15:28\xt*\x* ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’” \p \v 17 Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete \x + \xo 17:17 \xo*\xt Jos 15:7\xt*\x* En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la. \v 18 Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye \x + \xo 17:18 \xo*\xt II Sam 3:16\xt*\x* Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann. \v 19 Konsa, \x + \xo 17:19 \xo*\xt Jos 2:4-6\xt*\x*fanm nan te pran yon kouvèti. Li te ouvri li sou bouch pwi a, e li te gaye sereyal sou li jiskaske yo pa t konnen anyen. \v 20 Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?” \p Epi \x + \xo 17:20 \xo*\xt Jos 2:3-5\xt*\x* fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.” \p Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem. \v 21 Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: \x + \xo 17:21 \xo*\xt II Sam 17:15-16 \xt*\x*“Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.” \p \v 22 Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an. \p \v 23 Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan \x + \xo 17:23 \xo*\xt II Sam 15:12\xt*\x* vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te \x + \xo 17:23 \xo*\xt Mat 27:5\xt*\x*trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li. \p \v 24 Alò, David te rive \x + \xo 17:24 \xo*\xt Jen 32:2-10\xt*\x*Mahanaïm. Epi Absalom te travèse Jourdain an, li menm avèk tout mesye Israël yo avèk yo. \v 25 Absalom te mete Amasa sou tèt lame a nan plas Joab. Alò Amasa te fis a yon mesye ki te rele Jithra, Izrayelit la, ki te antre nan Abigail, fi a \x + \xo 17:25 \xo*\xt I Kwo 2:16\xt*\x*Nachasch, sè a Tseruja a, manman a Joab. \v 26 Epi Israël avèk Absalom te fè kan nan peyi Galaad la. \p \v 27 Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, \x + \xo 17:27 \xo*\xt I Sam 11:1\xt*\x*fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan, \v 28 te pote \x + \xo 17:28 \xo*\xt Pwov 11:25\xt*\x* kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen, \v 29 siwo myèl, bòl lèt, mouton ak fwomaj ki sòti nan twoupo a, pou David ak moun ki te avèk li yo \x + \xo 17:29 \xo*\xt II Sam 16:2-14 \xt*\x*ta manje. Paske yo te di: “Pèp la grangou, fatige e swaf nan dezè a.” \c 18 \p \v 1 Alò, David te konte moun ki te avèk li yo e te \x + \xo 18:1 \xo*\xt Egz 18:25 \xt*\x*plase sou yo chèf dè milye e chèf dè santèn. \v 2 David te voye moun yo deyò, \x + \xo 18:2 \xo*\xt Jij 7:16\xt*\x*yon tyè anba lòd Joab, yon tyè anba lòd Abischaï, fis a Tseruja a, frè Joab la ak yon tyè anba lòd Ittaï, Gatyen an. Epi wa a te di a moun yo: “Mwen menm va anverite, sòti avèk nou tou.” \p \v 3 Men moun yo te di: \x + \xo 18:3 \xo*\xt II Sam 21:17\xt*\x*“Ou pa dwe sòti; paske si nou vrèman sove ale, yo p ap okipe nou; menm si mwatye ta mouri, yo p ap okipe nou. Men valè pa w vo di-mil a nou menm; pou rezon sa a, li pi bon pou ede nou soti nan vil la.” \p \v 4 Alò wa a te di yo: “Nenpòt sa ki sanble bon a nou menm, se sa m ap fè.” \p Pou sa, wa a te kanpe akote pòtay la e tout moun yo te sòti pa santèn e pa milye. \v 5 Wa a te bay lòd a Joab avèk Abischaï avèk Ittaï e te di: “Pou koz mwen, aji dousman avèk jennonm nan, Absalom.” Epi \x + \xo 18:5 \xo*\xt II Sam 18:12\xt*\x*tout moun yo te tande lè wa a te pase lòd a tout chèf yo sou Absalom an. \p \v 6 Alò, moun yo te antre nan chan kont Israël e batay la te fèt nan \x + \xo 18:6 \xo*\xt Jos 17:15-18\xt*\x*forè Ephraïm nan. \v 7 Moun Israël yo te bat la devan sèvitè a David yo e masak la te byen gwo, ven-mil òm. \v 8 Paske batay la te gaye sou tout teritwa peyi a e forè a te devore plis moun nan jou sa a ke nepe ta devore. \p \v 9 Alò, Absalom te vin rankontre sèvitè a David yo. Paske Absalom te monte sou milèt li e milèt la te antre anba gwo branch a yon gwo bwadchenn. Epi \x + \xo 18:9 \xo*\xt II Sam 14:26 \xt*\x*tèt li te kole rèd nan chenn nan e li te vin kwoke antre syèl avèk tè a, pandan milèt la anba li t ap kontinye ale. \v 10 Lè yon sèten mesye te wè sa, li te pale Joab, e te di: “Gade byen, mwen te wè Absalom pandye nan yon gwo bwadchenn.” \p \v 11 Epi Joab te di a mesye ki te di sa a: “Gade, ou te wè l? Poukisa konsa ou pa t frape li la pou l tonbe atè? Konsa, mwen ta ba ou dis pyès ajan avèk yon senti.” \p \v 12 Mesye a te di Joab: “Menm si mwen ta resevwa mil pyès ajan nan men m, mwen pa t ap lonje men m kont fis a wa a; paske \x + \xo 18:12 \xo*\xt II Sam 18:5\xt*\x*nan tande nou, wa a te kòmande ou avèk Abischaï ak Ittaï, e te di: ‘Pwoteje pou mwen jennonm nan, Absalom!’ \v 13 Otreman, si m te aji nan mechanste kont lavi li (e \x + \xo 18:13 \xo*\xt II Sam 14:19-20\xt*\x*nanpwen anyen ki kache a wa a), alò, ou menm ta kanpe lwen de sa.” \p \v 14 Joab te di: “Mwen p ap gaspiye tan avè w isit la.” \x + \xo 18:14 \xo*\xt II Sam 14:30\xt*\x*Konsa, li te pran twa frenn nan men l e li te frennen fè yo pase sou kè Absalom pandan li te toujou vivan nan mitan bwadchenn nan. \v 15 Epi dis jennonm ki te pote zam pou Joab yo te antoure li, yo te frape Absalom e te touye li. \v 16 Alò, \x + \xo 18:16 \xo*\xt II Sam 2:28\xt*\x*Joab te soufle twonpèt la e moun yo te retounen soti kouri dèyè Israël, paske Joab te ralanti moun yo. \v 17 Yo te pran Absalom, yo te jete li nan yon gwo twou vid nan mitan forè a e te \x + \xo 18:17 \xo*\xt Det 21:20-21\xt*\x* monte sou li yon gwo pil wòch. Epi tout Israël te sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo. \p \v 18 Alò, Absalom, pandan lavi li \x + \xo 18:18 \xo*\xt I Sam 15:12\xt*\x*te fè monte pou li menm yon gwo pilye ki nan \x + \xo 18:18 \xo*\xt Jen 14:17\xt*\x*Vale a Wa a, paske li te di: “Mwen pa gen fis pou prezève non mwen.” Konsa, li te rele pilye a pa non li e li rele Moniman Absalom jis rive jodi a. \p \v 19 Alò, \x + \xo 18:19 \xo*\xt II Sam 15:36\xt*\x*Achimaats, fis a Tsadok la te di: “Souple, kite mwen kouri pote nouvèl la bay wa a ke SENYÈ a gen tan delivre li anba men lènmi li yo.” \p \v 20 Men Joab te di li: “Ou menm se pa nonm ki pou pote nouvèl la nan jou sa a, malgre ke ou va pote li yon lòt jou, men ou p ap pote li jodi a, paske fis a wa a mouri.” \p \v 21 Alò, Joab te di a Etyopyen an: “Ale, pale wa a sa ou te wè a.” Konsa, Etyopyen an te bese devan Joab e te kouri ale. \p \v 22 Alò, Achimaats, fis a Tsadok la te di yon lòt fwa a Joab: “Malgre nenpòt sa ki rive, kite mwen tou kouri dèyè Etyopyen an.” \p Epi Joab te di: “Poukisa ou ta kouri, fis mwen, kòmsi \x + \xo 18:22 \xo*\xt II Sam 18:29\xt*\x*ou p ap twouve rekonpans pou ale a?” \p \v 23 “Malgre sa ki rive”, li te di: “Mwen va kouri”. \p Epi Achimaats te kouri nan wout plèn nan e te vin depase Etyopyen an. \p \v 24 Alò, David te chita antre de pòtay yo; epi gadyen an te monte sou twati pòtay sou mi an. Li te leve zye li e te gade. Men vwala, yon nonm ki t ap kouri li sèl a li menm. \v 25 Gadyen an te kouri pale wa a. Epi wa a te di: “Si se sèl li menm k ap vini, se bòn nouvèl nan bouch li.” Epi li te pwoche pi pre e pi pre toujou. \p \v 26 Apre sa, gadyen an te wè yon lòt moun ki t ap kouri; epi gadyen an te rele gadyen pòtay la e te di: “Gade byen, gen yon lòt moun k ap kouri pou kont li.” \p Epi wa a te di: “Sila a tou ap pote bòn nouvèl.” \p \v 27 Gadyen an te di: “Mwen kwè ke kouri a premye a sanble kouri a Achimaats, fis a Tsadok la.” \p Epi wa a te di: \x + \xo 18:27 \xo*\xt I Wa 1:42\xt*\x*“Sa se yon bon mesye e li pote bòn nouvèl.” \p \v 28 Achimaats te rele e te di a wa a: “Tout bagay sòti byen.” Epi li te bese figi atè devan wa a, e li te di: \x + \xo 18:28 \xo*\xt I Sam 17:46\xt*\x*“Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te livre bay mesye ki te leve men kont mèt mwen an, wa a.” \p \v 29 Wa a te di: \x + \xo 18:29 \xo*\xt II Sam 20:9\xt*\x*“Èske tout bagay byen avèk jennonm nan, Absalom?” \p Epi Achimaats te reponn: “Lè Joab te voye sèvitè a wa a, sèvitè ou menm nan, mwen te wè yon gwo zen; men mwen pa t konnen kisa.” \p \v 30 Epi wa a te di: “Mete ou akote e kanpe la.” Konsa, li te mete li akote e te kanpe tann la. \p \v 31 Gade byen, Etyopyen an te rive e Etyopyen an te di: “Kite mèt mwen an, wa a resevwa bòn nouvèl; paske \x + \xo 18:31 \xo*\xt Jij 5:31\xt*\x*SENYÈ a te delivre ou nan jou sa a soti nan men a tout sila ki te leve kont ou yo.” \p \v 32 Alò, wa a te di a Etyopyen an: “Èske sa byen avèk jennonm nan, Absalom?” \p Epi Etyopyen an te reponn: \x + \xo 18:32 \xo*\xt I Sam 25:26\xt*\x*“Kite lènmi a mèt mwen yo, wa a, ak tout moun ki leve kont ou pou mal yo, devni tankou jennonm sila a!” \p \v 33 Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! \x + \xo 18:33 \xo*\xt Egz 32:32\xt*\x*Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!” \c 19 \p \v 1 Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, \x + \xo 19:1 \xo*\xt II Sam 18:5-14\xt*\x*wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.” \v 2 Viktwa a jou sa a te boulvèse vin fè dèy pou tout pèp la. Paske moun ki te tande li yo nan jou sa a te di: “Wa a ap lamante pou fis li a.” \p \v 3 Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la. \v 4 Wa a te \x + \xo 19:4 \xo*\xt II Sam 15:30\xt*\x*kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!” \p \v 5 Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo, \v 6 akoz ou te vin renmen sila ki rayi ou yo, e rayi sila ki renmen ou yo. Paske ou te montre nan jou sa a ke prens yo avèk sèvitè ou yo pa anyen a ou menm. Paske mwen vin aprann nan jou sa a ke si Absalom te vivan e nou tout te fin mouri, ke ou ta gen kè kontan. \v 7 Alò, pou sa, leve ale deyò a pou pale pawòl ki dous avèk sèvitè ou yo. Paske mwen sèmante pa SENYÈ a ke si ou pa sòti deyò, anverite, \x + \xo 19:7 \xo*\xt Pwov 14:28\xt*\x*p ap gen yon moun k ap pase nwit lan avèk ou e sa va pi mal pou ou pase tout lòt mal ki gen tan parèt sou ou soti nan jenès ou jis rive koulye a.” \p \v 8 Pou sa, wa a te leve chita nan pòtay la. Lè yo te pale tout pèp la e te di: “Men vwala, wa a chita nan pòtay la,” alò, tout pèp la te vini devan wa a. Alò, \x + \xo 19:8 \xo*\xt II Sam 18:17\xt*\x*Israël te fin sove ale, chak moun nan pwòp tant pa yo. \v 9 Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: \x + \xo 19:9 \xo*\xt II Sam 8:1-14\xt*\x*“Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, \x + \xo 19:9 \xo*\xt II Sam 15:14\xt*\x*li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom. \v 10 Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?” \p \v 11 Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li? \v 12 Nou menm se frè m; \x + \xo 19:12 \xo*\xt II Sam 5:1\xt*\x*nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’ \v 13 Di Amasa: ‘Èske ou pa zo a zo mwen e chè a chè mwen? Ke Bondye ta fè sa pou mwen e menm plis si se pa ou menm ki va chèf lame devan mwen nèt \x + \xo 19:13 \xo*\xt II Sam 3:27-39\xt*\x*nan plas Joab.’” \v 14 Konsa, li te vire kè tout mesye Juda yo \x + \xo 19:14 \xo*\xt Jij 20:1\xt*\x*tankou se te yon sèl moun, jiskaske yo te voye vè wa a e te di: “Retounen, ou menm avèk tout sèvitè ou yo.” \p \v 15 Alò, wa a te retounen e te vin jis nan Rivyè Jourdain an. Epi Juda te vini \x + \xo 19:15 \xo*\xt Jos 5:9\xt*\x*Guilgal pou rankontre wa a, pou mennen wa a travèse Jourdain an. \v 16 Epi \x + \xo 19:16 \xo*\xt II Sam 16:5-13\xt*\x*Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit ki sòti Bachurim nan te fè vit vin desann avèk mesye Juda yo pou rankontre Wa David. \v 17 Te gen mil mesye Benjamin avèk li, avèk \x + \xo 19:17 \xo*\xt II Sam 16:1-4\xt*\x*Tsiba, sèvitè lakay Saül la, kenz fis li yo avèk ven sèvitè yo avèk li; epi yo te prese rive nan Jourdain an avan wa a. \v 18 Alò, yo te kontinye travèse kote pou janbe a pou fè travèse fanmi a wa a; epi pou fè sa ki bon nan zye li. \p Epi Schimeï, fis a Guéra a te tonbe ba devan wa a pandan li t ap prepare pou travèse Jourdain an. \v 19 Konsa, li te di a wa a: \x + \xo 19:19 \xo*\xt I Sam 22:15\xt*\x*“Pa kite mèt mwen konsidere mwen kòm koupab, ni sonje mal ke sèvitè ou te fè nan jou lè mèt mwen an, wa a, te sòti Jérusalem, pou wa a ta pran sa a kè. \v 20 Paske sèvitè ou konnen ke mwen te peche. Pou sa, gade byen, mwen te rive la jodi a, \x + \xo 19:20 \xo*\xt II Sam 16:5\xt*\x*premyèman nan tout kay Joseph la pou ale desann rankontre mèt mwen an, wa a.” \p \v 21 Men Abischaï, fis a Tseurja a te di: “Èske Schimeï pa ta dwe mete a lanmò pou sa, \x + \xo 19:21 \xo*\xt Egz 22:28\xt*\x*akoz li te modi onksyone a SENYÈ a?” \p \v 22 Epi David te di: “Kisa mwen gen pou fè avèk nou, O fis a Tseruja yo, pou nou ta nan jou sila a devni advèsè mwen? \x + \xo 19:22 \xo*\xt I Sam 11:13\xt*\x*Èske okenn moun ta mete a lanmò an Israël jodi a?” Paske èske mwen pa konnen ke se mwen ki wa sou Israël jodi a? \v 23 Wa a te di a Schimeï: \x + \xo 19:23 \xo*\xt I Wa 2:8\xt*\x*“Ou p ap mouri.” Konsa wa a te sèmante a li menm. \p \v 24 Epi\x + \xo 19:24 \xo*\xt II Sam 9:6-10\xt*\x*Méphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a. \v 25 Se te lè li te vini Jérusalem pou rankontre wa a ke wa a te di li: \x + \xo 19:25 \xo*\xt II Sam 16:17\xt*\x*“Poukisa ou pa t ale avè m, Méphiboscheth?” \p \v 26 Konsa, li te reponn: “O mèt mwen, wa a, sèvitè mwen an te twonpe m. Paske sèvitè ou a te di: ‘Mwen va sele yon bourik pou mwen menm pou m kab monte sou li pou ale avèk wa a,’ \x + \xo 19:26 \xo*\xt II Sam 9:3\xt*\x*akoz sèvitè ou a bwete. \v 27 Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se \x + \xo 19:27 \xo*\xt II Sam 14:17-20\xt*\x*tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou. \v 28 Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. \x + \xo 19:28 \xo*\xt II Sam 9:7-13\xt*\x*Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?” \p \v 29 Konsa, wa a te di li: “Poukisa ou pale toujou nan enterè pa w? Mwen gen tan pran desizyon, ‘Ou avèk Ziba va divize tè a.’” \v 30 Méphiboscheth te di a wa a: “Kite li menm vin pran tout pou li menm, akoz mèt mwen, wa a, gen tan retounen nan pwòp kay li.” \p \v 31 Alò \x + \xo 19:31 \xo*\xt II Sam 17:27-29\xt*\x*Barzillaï, Gadit la te vin desann soti Roguelim e li te ale nan Jourdain an avèk wa a pou akonpanye li travèse Jourdain an. \v 32 Alò, Barzillaï te granmoun anpil, avèk laj a katre-ventan. Li te bay soutyen a wa a pandan li te rete Mahanaïm, paske li te yon nonm byen enpòtan. \v 33 Wa a te di a Barzillaï: “Vin travèse avèk mwen e mwen va ba ou soutyen Jérusalem bò kote mwen.” \p \v 34 Men Barzillaï te di a wa a: \x + \xo 19:34 \xo*\xt Jen 47:8\xt*\x*“Se pou konbyen de tan ke m ap viv toujou pou m ta monte ak wa a Jérusalem? \v 35 Mwen menm, koulye a, mwen nan \x + \xo 19:35 \xo*\xt Sòm 90:10\xt*\x*katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, \x + \xo 19:35 \xo*\xt II Sam 15:33\xt*\x*poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a? \v 36 Sèvitè ou ta sèlman pito travèse Jourdain an avèk wa a. Poukisa wa a ta dwe ban m rekonpans avèk byenfezans sila a? \v 37 Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, \x + \xo 19:37 \xo*\xt I Wa 2:7\xt*\x*Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.” \p \v 38 Wa a te reponn: “Kimham va travèse avè m e mwen va fè pou li sa ki bon nan zye pa w. Nenpòt sa ke ou vle m fè m ap fè l pou ou.” \p \v 39 Tout moun yo te travèse Jourdain an e wa a te travèse tou. Epi wa a te \x + \xo 19:39 \xo*\xt Rt 1:14\xt*\x*bo Barzillaï. Li te beni li e li te retounen nan plas li. \v 40 Koulye a, wa a te avanse rive Guilgal, Kimham te kontinye avèk li. Epi tout pèp Juda a avèk \x + \xo 19:40 \xo*\xt II Sam 19:9-10\xt*\x*la mwatye nan pèp Israël la te akonpanye wa a. \v 41 Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: \x + \xo 19:41 \xo*\xt II Sam 19:11-12\xt*\x*“Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.” \p \v 42 Epi tout mesye Juda yo te reponn mesye Israël yo: “Akoz \x + \xo 19:42 \xo*\xt II Sam 19:12\xt*\x*wa a toupre fanmi a nou. Poukisa konsa nou vin fache akoz afè sila a? Èske nou te manje yon bagay sou kont a wa a, oubyen èske yon bagay te vin separe bannou?” \p \v 43 Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: \x + \xo 19:43 \xo*\xt II Sam 5:1\xt*\x*“Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo. \c 20 \p \v 1 Alò, te gen yon \x + \xo 20:1 \xo*\xt II Sam 16:7\xt*\x*sanzave ki te la ki te rele Schéba, fis a Bicri, yon Benjamit. Konsa, li te soufle twonpèt la e te di: \x + \xo 20:1 \xo*\xt I Wa 12:16\xt*\x*“Nou pa gen anyen nan David, ni nou pa gen eritaj nan fis Jesse a. Tout moun rive nan tant pa li yo, O Israël!” \p \v 2 Konsa, tout mesye Israël yo te sispann swiv David, e yo te swiv Schéba, fis a Bicri a. Men mesye Juda yo te rete lwayal a wa pa yo a, soti nan Jourdain an, jis rive Jérusalem. \p \v 3 David te rive kote lakay li Jérusalem. Epi \x + \xo 20:3 \xo*\xt II Sam 15:16\xt*\x*wa a te pran dis fanm sa yo, ti mennaj ke li te kite pou okipe kay la. Li te mete yo sou siveyans e te bay yo manje, men li pa t antre nan yo. Konsa, yo te rete fèmen jis rive jou ke yo te mouri an e te viv tankou vèv. \p \v 4 Alò, wa a te di a \x + \xo 20:4 \xo*\xt II Sam 17:25\xt*\x*Amasa: “Rele fè sòti pou mwen mesye Juda yo avan twa jou e ou menm, vin prezan isit la.” \p \v 5 Konsa, Amasa te ale rele mesye Juda yo, men li te \x + \xo 20:5 \xo*\xt I Sam 13:8\xt*\x*pran reta plis tan ke li te dwe pran an. \v 6 Epi David te di a \x + \xo 20:6 \xo*\xt II Sam 21:17\xt*\x*Abischaï: “Koulye a Schéba, fis a Bicri a, va fè nou plis mal ke Absalom. Pran sèvitè mèt ou yo e kouri dèyè li, pou li pa twouve pou kont li vil ki ranfòse pou chape devan zye nou.” \p \v 7 Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. \v 8 Lè yo te la nan gwo wòch ki \x + \xo 20:8 \xo*\xt II Sam 2:13\xt*\x*Gabaon an, Amasa te vin rankontre yo. Alò Joab te abiye an vètman militè e sou li, te gen yon sentiwon avèk yon nepe nan fouwo li ki te tache nan senti li; epi pandan li t ap avanse, nepe a te vin tonbe parèt. \v 9 Joab te di Amasa: “Èske sa byen avèk ou, frè m?” Epi \x + \xo 20:9 \xo*\xt Mat 26:49\xt*\x*Joab te kenbe Amasa pa bab li avèk men dwat pou bo li. \v 10 Men Amasa pa t veye kont nepe ki te nan men Joab la. Konsa, li te \x + \xo 20:10 \xo*\xt II Sam 2:23\xt*\x*frape li nan vant avèk li e zantray li te vide tonbe atè e san frape l ankò, li te mouri. Alò Joab avèk Abischaï, frè li a, te kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. \v 11 Alò, akote li, te kanpe youn nan jennonm a Joab yo, ki te di: “Nenpòt moun ki pou Joab e nenpòt moun ki pou David, \x + \xo 20:11 \xo*\xt II Sam 20:13\xt*\x*kite li swiv Joab.” \p \v 12 Men Amasa te kouche tòde vire nan san li nan mitan granchemen an. Epi lè nonm nan te wè ke tout moun te kanpe, li te deplase Amasa soti nan granchemen an rive nan chan an e li te jete yon vètman sou li lè li te wè ke tout moun ki te pase kote li te vin kanpe. \v 13 Depi li te rete sou granchemen an, tout mesye yo te pase ale dèyè Joab pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a. \v 14 Alò, li te pase nan tout tribi Israël yo jis rive Abel, menm jis nan Beth-Maaca ak tout Berit yo. Yo te rasanble ansanm pou te ale dèyè li tou. \v 15 Yo te vin fè syèj sou li nan Abel Beth-Maaca. \x + \xo 20:15 \xo*\xt II Wa 19:32\xt*\x*Yo te monte yon ran syèj kont vil la. Li te kanpe rive nan mi ranpa e tout moun ki te avèk Joab yo t ap kraze pou yo fè mi an tonbe. \p \v 16 Epi yon fanm lespri te rele soti nan vil la: “Koute, koute! Souple di Joab: ‘Vin isit la pou m kab pale avèk ou.’ Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.” \v 17 Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?” \p Epi li te reponn: “Se mwen”. \p Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.” \p Epi li te reponn: “M ap koute.” \v 18 Epi li te pale e te di: “Lontan yo te konn di: ‘Yo va anverite mande konsèy nan Abel,’ e se konsa, yo te rezoud pwoblèm nan. \v 19 Mwen pami sila ki pezib e fidèl an Israël yo. W ap chache detwi yon vil, menm yon manman an Israël. Poukisa ou ta anglouti tout eritaj SENYÈ a?” \p \v 20 Joab te reponn: “Lwen de sa, lwen de mwen pou mwen ta anglouti, oswa detwi! \v 21 Se pa konsa ka a ye! Men yon nonm soti nan peyi ti mòn Ephraïm nan, \x + \xo 20:21 \xo*\xt II Sam 20:2\xt*\x* Schéba, fis a Bicri a, selon non li, li te leve men li kont Wa David. Sèlman, lonje bannou li e mwen va kite vil la.” \p Epi fanm nan te di a Joab: “Gade byen, se tèt li m ap jete ba ou sou mi an.” \p \v 22 Alò, fanm lespri a te vin kote tout pèp la. Epi yo te koupe tèt a\x + \xo 20:22 \xo*\xt II Sam 20:1\xt*\x*Schéba, fis Bicri a e te jete li bay Joab. Konsa, li te soufle twonpèt la e yo te lèse kite vil la. Chak moun te ale kote tant pa yo. Joab, anplis, te retounen kote wa a Jérusalem. \p \v 23 \x + \xo 20:23 \xo*\xt II Sam 8:16-18\xt*\x*Alò, Joab te sou tèt tout lame Israël la e Benaja, fis a Jehojada a te sou Keretyen yo avèk Peletyen yo; \v 24 epi Adoram te sou travay fòse a e \x + \xo 20:24 \xo*\xt I Wa 4:3\xt*\x*Josaphat, fis a Achilud la te grefye a; \v 25 epi Scheja te sekretè a e Tsadok avèk \x + \xo 20:25 \xo*\xt I Wa 4:4\xt*\x*Abiathar te prèt; \v 26 epi Ira, Jayirit la te yon prèt osi pou David. \c 21 \p \v 1 Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi \x + \xo 21:1 \xo*\xt Nonb 27:21\xt*\x*David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.” \p \v 2 Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e \x + \xo 21:2 \xo*\xt Jos 9:3-20\xt*\x*fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.) \v 3 Konsa, David te di a Gabawonit yo: “Kisa mwen ta dwe fè pou nou? Epi kijan mwen kapab fè ekspiyasyon, pou nou kapab vin beni \x + \xo 21:3 \xo*\xt I Sam 26:19\xt*\x*eritaj SENYÈ a?” \p \v 4 Alò, Gabawonit yo te di li: \x + \xo 21:4 \xo*\xt Nonb 35:31-32 \xt*\x*“Nou pa sou afè ajan, ni lò avèk Saül, ni lakay li, ni pou nou ta mete okenn moun a lanmò an Israël.” \p Epi li te di: “Mwen va fè pou nou nenpòt sa ke nou mande.” \p \v 5 Pou sa, yo te di a wa a: \x + \xo 21:5 \xo*\xt II Sam 21:1 \xt*\x*“Nonm ki te vin manje nou an e ki te fè plan pou detwi nou nèt la rache nou soti nan lizyè Israël la, \v 6 kite sèt mesye soti nan fis li yo vin bay a nou menm. E nou va pann yo devan SENYÈ a nan Guibea pou Saül, \x + \xo 21:6 \xo*\xt I Sam 10:24 \xt*\x*sila ki te chwazi pa SENYÈ a.” \p Epi wa a te di: “Mwen va bay yo.” \p \v 7 Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, \x + \xo 21:7 \xo*\xt I Sam 20:12-17\xt*\x*akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan. \v 8 Konsa, wa a te pran de fis a Ritspa yo avèk fi a Ajja a, Armoni ak Méphiboscheth ke li te fè pou Saül la, senk fis a Mérab yo, fi a Saül la, ke li te fè pou Adriel, fis a Barzillaï a, Meyolayit la; \v 9 Epi li te livre yo nan men a Gabawonit yo e yo te pandye yo nan mòn nan devan SENYÈ a, jiskaske yo sèt te tonbe ansanm. Yo te mete a lanmò nan premye jou a rekòlt la, nan \x + \xo 21:9 \xo*\xt Egz 9:31-32\xt*\x*kòmansman rekòlt lòj la. \p \v 10 \x + \xo 21:10 \xo*\xt Det 21:23\xt*\x*Epi Rizpa, fi a Ajja a te pran twal sak e te ouvri li sou wòch la, soti nan kòmansman rekòlt la jiskaske li te fè lapli sou yo soti nan syèl la. \x + \xo 21:10 \xo*\xt I Sam 17:44-46\xt*\x*Li pa t kite ni zwazo syèl yo vin poze sou yo nan lajounen, ni bèt chan yo pandan lannwit. \v 11 Lè li te pale a David sa ke Rizpa, fi a Ajja a, ti mennaj a Saül la te fè a, \v 12 alò, David te ale pran \x + \xo 21:12 \xo*\xt I Sam 31:11-13\xt*\x*zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a. \v 13 Li te mennen zo a Saül ak zo a Jonathan yo monte, fis li soti la e yo te ranmase zo a sila ki te pandye yo. \v 14 Yo te antere zo a Saül yo avèk Jonathan, fis li nan peyi Benjamin nan \x + \xo 21:14 \xo*\xt Jos 18:28\xt*\x*Tséla, nan tonm a Kis, papa li. Konsa, yo te fè tout sa ke wa a te kòmande yo. Apre sa, \x + \xo 21:14 \xo*\xt II Sam 24:25\xt*\x*Bondye te satisfè akoz lapriyè pou peyi a. \p \v 15 Alò, lè \x + \xo 21:15 \xo*\xt II Sam 5:17-25\xt*\x*Filisten yo te fè lagè ankò avèk Israël, David te desann avèk sèvitè li yo. Epi pandan yo t ap goumen kont Filisten yo, David te vin bouke. \v 16 Epi Jischbi-Benob ki te \x + \xo 21:16 \xo*\xt Nonb 13:22-28\xt*\x*pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David. \v 17 Men \x + \xo 21:17 \xo*\xt II Sam 20:6-10\xt*\x*Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.” \p \v 18 \x + \xo 21:18 \xo*\xt I Kwo 20:4-8\xt*\x*Alò, li te vin rive apre sa ke te gen lagè ankò avèk Filisten yo nan Gob. Epi Sibbecaï, Oushatit la te frape Saph, ki te pami desandan a jeyan yo. \v 19 Te gen gè avèk Filisten yo ankò Gob e Elchanan, fis a Jaaré-Oreguim nan Bethléhem te touye Goliath, moun Gath la. \x + \xo 21:19 \xo*\xt I Sam 17:7\xt*\x*Shaf lans li an te tankou travès lan a yon machin yo konn tise. \v 20 Te gen lagè avèk Gath ankò, kote te gen yon mesye gran tay avèk sis dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye, venn-kat antou. Li menm osi te ne de \x + \xo 21:20 \xo*\xt II Sam 21:16-18\xt*\x*jeyan yo. \v 21 Lè li te leve tèt li kont Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te frape li. \v 22 Se \x + \xo 21:22 \xo*\xt I Kwo 20:8\xt*\x*kat sila yo ki te ne de jeyan nan Gath yo, e yo te tonbe pa men David e pa men a sèvitè li yo. \c 22 \p \v 1 David te pale pawòl a chan sila yo\x + \xo 22:1 \xo*\xt Sòm 18:2-50\xt*\x*a SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül. \v 2 Li te di: \q1 \x + \xo 22:2 \xo*\xt Sòm 31:3 \xt*\x*“SENYÈ a se wòch mwen, \q1 \x + \xo 22:2 \xo*\xt Sòm 31:3 \xt*\x*fòterès mwen ak liberatè mwen; \q1 \v 3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila \q1 mwen twouve pwotèj la; \q1 boukliye e kòn delivrans mwen, \q1 sitadèl mwen ak refij mwen. \q1 \x + \xo 22:3 \xo*\xt Det 32:4-37\xt*\x*Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo. \q1 \v 4 Mwen rele a SENYÈ a, \x + \xo 22:4 \xo*\xt Sòm 48:1\xt*\x*ki merite lwanj. \q1 Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo. \b \q1 \v 5 Paske \x + \xo 22:5 \xo*\xt Sòm 93:4\xt*\x*volas lanmò te antoure mwen; \q1 gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt. \q1 \v 6 \x + \xo 22:6 \xo*\xt Sòm 116:3\xt*\x*Kòd a sejou lanmò te antoure mwen; \q1 pèlen lanmò yo te menase m. \q1 \v 7 \x + \xo 22:7 \xo*\xt Sòm 116:4\xt*\x*Nan gran twoub mwen, \q1 mwen te rele SENYÈ a. \q1 Wi, mwen te rele a Bondye mwen an. \q1 Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m. \q1 Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li. \q1 \v 8 Latè te tranble e souke. \q1 \x + \xo 22:8 \xo*\xt Job 26:11\xt*\x*Fondasyon syèl la t ap tranble. \q1 Yo te sombre, akoz Li te fache. \q1 \v 9 Lafimen te monte sòti nan nen L. \q1 \x + \xo 22:9 \xo*\xt Sòm 97:3\xt*\x*Dife soti nan bouch Li a te devore. \q1 Chabon te fèt pa li. \p \v 10 Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann. \q1 Yon \x + \xo 22:10 \xo*\xt Sòm 97:2\xt*\x*tenèb byen pwès te anba pye L yo. \q1 \v 11 Li te monte sou yon cheriben, \q1 Li te vole. \q1 Li te parèt sou \x + \xo 22:11 \xo*\xt Sòm 104:3\xt*\x*zèl a van an. \q1 \v 12 \x + \xo 22:12 \xo*\xt Job 36:29 \xt*\x* Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li, \q1 yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo \q1 \v 13 soti nan gran klète devan L, \q1 \x + \xo 22:13 \xo*\xt II Sam 22:9\xt*\x*Bout chabon dife yo vin limen. \q1 \v 14 SENYÈ a te \x + \xo 22:14 \xo*\xt Job 37:2-5\xt*\x*eklate depi nan syèl la, \q1 e vwa Pli Wo a te reponn. \q1 \v 15 Li te lanse \x + \xo 22:15 \xo*\xt Det 32:23\xt*\x*flèch pou te gaye yo. \q1 Loray! E yo te sove ale. \q1 \v 16 Kanal lanmè yo te vin parèt. \q1 Fondasyon mond lan\x + \xo 22:16 \xo*\xt Egz 15:8 \xt*\x* te dekouvri nèt, \q1 pa repwoch SENYÈ a, \q1 ak fòs vann a ki soti nan ne l. \b \q1 \v 17 \x + \xo 22:17 \xo*\xt Sòm 144:7\xt*\x*Li te voye soti anwo, \q1 Li te pran m. \q1 Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo. \q1 \v 18 Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò, \q1 Soti nan sila ki te rayi mwen yo. \q1 Paske yo te twò fò pou mwen. \q1 \v 19 Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a, \q1 \x + \xo 22:19 \xo*\xt Sòm 23:4\xt*\x*Men SENYÈ a te soutyen mwen. \q1 \v 20 Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj. \q1 Li te fè m chape, \x + \xo 22:20 \xo*\xt II Sam 15:26\xt*\x*paske Li te kontan anpil avè m. \b \q1 \v 21 \x + \xo 22:21 \xo*\xt I Sam 26:23\xt*\x*SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen. \q1 Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans. \q1 \v 22 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a. \q1 Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an. \q1 \v 23 \x + \xo 22:23 \xo*\xt Det 6:6-9\xt*\x*Paske tout òdonans Li yo te devan m. \q1 Règleman Li yo, mwen pa t janm kite. \q1 \v 24 Anplis, \x + \xo 22:24 \xo*\xt Ef 1:4\xt*\x*mwen te san fot devan L. \q1 Mwen te rete lib de inikite mwen. \q1 \v 25 Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m. \q1 \x + \xo 22:25 \xo*\xt II Sam 22:21\xt*\x*Selon ladwati mwen, \q1 Selon jan mwen pwòp devan zye Li. \q1 \v 26 \x + \xo 22:26 \xo*\xt Mat 5:7\xt*\x*Avèk sila de bon kè yo, \q1 Ou montre bon kè Ou. \q1 Avèk sila ki san fot yo, \q1 Ou parèt san fot. \q1 \v 27 \x + \xo 22:27 \xo*\xt Mat 5:8\xt*\x*Avèk sila ki san tach yo, \q1 Ou montre jan Ou san tach, \q1 Epi avèk sila ki kwochi, \q1 Ou vin parèt avèk entèlijans. \q1 \v 28 \x + \xo 22:28 \xo*\xt Egz 3:7-8\xt*\x* Ou fè sekou a sila ki aflije yo, \q1 men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo, \q1 pou Ou fè yo bese. \q1 \v 29 Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ. \q1 Konsa, \x + \xo 22:29 \xo*\xt I Wa 11:36\xt*\x*SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen. \q1 \v 30 Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda. \q1 \v 31 \x + \xo 22:31 \xo*\xt Det 32:4\xt*\x*Pou Bondye, chemen pa li a san fot. \q1 Pawòl SENYÈ a fin fè prèv. \q1 Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li. \q1 \v 32 \x + \xo 22:32 \xo*\xt I Sam 2:2\xt*\x*Paske se kilès Bondye ye, \q1 Sof ke SENYÈ a? \q1 Epi kilès ki se yon woche, \q1 Sof ke Bondye pa nou an? \q1 \v 33 \x + \xo 22:33 \xo*\xt I Sam 2:2\xt*\x*Bondye se sitadèl fòs mwen. \q1 Li fè chemen m san fot. \q1 \v 34 Li fè pye m tankou pye a sèf, \q1 ki fè m chita nan plas ki wo. \q1 \v 35 Li enstwi men m yo pou batay la, \q1 Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz. \q1 \v 36 Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a, \q1 e se soutyen Ou ki fè m pwisan. \q1 \v 37 \x + \xo 22:37 \xo*\xt II Sam 22:20\xt*\x*Ou elaji pla pye mwen anba m, \q1 e pye m pa janm chape. \q1 \v 38 Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo, \q1 e mwen te \x + \xo 22:38 \xo*\xt Egz 15:9\xt*\x*detwi yo. \q1 Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt. \q1 \v 39 Epi mwen te devore yo, \q1 mwen te kraze yo, \q1 Jiskaske yo pa t janm leve. \q1 Konsa, yo te \x + \xo 22:39 \xo*\xt Mat 4:3\xt*\x*tonbe anba pye mwen. \q1 \v 40 Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la. \q1 Ou te soumèt anba m \x + \xo 22:40 \xo*\xt Sòm 44:5\xt*\x*sila ki te leve kont mwen yo. \q1 \v 41 Ou te osi \x + \xo 22:41 \xo*\xt Egz 23:27\xt*\x*fè lènmi m yo vire do ban mwen, \q1 Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo. \q1 \v 42 \x + \xo 22:42 \xo*\xt És 17:7-8\xt*\x*Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo; \q1 menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo. \q1 \v 43 \x + \xo 22:43 \xo*\xt II Wa 13:7\xt*\x*Alò mwen te fè poud ak yo \q1 tankou pousyè tè a. \q1 \x + \xo 22:43 \xo*\xt És 10:6\xt*\x*Mwen te kraze e te foule yo \q1 Tankou kras labou lari. \q1 \v 44 Ou te osi delivre mwen sòti \q1 nan rebelyon ak zen pèp mwen an. \q1 Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo, \q1 \v 45 Etranje yo abese devan m. \q1 Depi yo tande, yo obeyi. \q1 \v 46 Etranje yo pèdi fòs. \q1 \x + \xo 22:46 \xo*\xt I Sam 14:11\xt*\x*Yo sòti tranblan nan kote kache yo. \q1 \v 47 SENYÈ a vivan! \q1 Beni, se wòch mwen an! \q1 Egzalte, se \x + \xo 22:47 \xo*\xt II Sam 22:3\xt*\x*Bondye, wòch sali mwen an. \q1 \v 48 Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, \q1 \x + \xo 22:48 \xo*\xt Sòm 144:2\xt*\x*Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan, \q1 \v 49 Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo. \q1 Wi, Ou menm fè m leve anwo \x + \xo 22:49 \xo*\xt Sòm 44:5\xt*\x*sila \q1 Ki vin leve kont mwen yo. \q1 Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo. \q1 \v 50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman, \q1 O SENYÈ, \x + \xo 22:50 \xo*\xt Wo 15:9\xt*\x*pami nasyon yo. \q1 Mwen va chante lwanj a non Ou. \q1 \v 51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a, \q1 ki \x + \xo 22:51 \xo*\xt Sòm 89:24\xt*\x*montre lanmou dous a onksyone pa Li a, \q1 Menm a \x + \xo 22:51 \xo*\xt Sòm 144:10\xt*\x*David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.” \c 23 \p \v 1 Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo. \q1 David, fis a Jesse a deklare, \q1 Mesye ki te leve anwo a deklare, \q1 \x + \xo 23:1 \xo*\xt Sòm 89:20\xt*\x*Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la, \q1 Chantè dous Israël la, \q1 \v 2 Nan mwen, \x + \xo 23:2 \xo*\xt Mat 22:43\xt*\x*Lespri SENYÈ a te pale, \q1 Pawòl pa Li te sou lang mwen. \q1 \v 3 Bondye a Israël la te di, \q1 \x + \xo 23:3 \xo*\xt II Sam 22:2-32\xt*\x*Wòch Israël la te pale mwen, \q1 Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, \q1 ki renye avèk lakrent Bondye yo, \q1 \v 4 Se tankou \x + \xo 23:4 \xo*\xt Jij 5:31\xt*\x*limyè maten lè solèy la leve, \q1 Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf \q1 Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli. \q1 \v 5 Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? \q1 Paske \x + \xo 23:5 \xo*\xt II Sam 7:12-16\xt*\x*Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, \q1 An lòd nan tout bagay e byen solid. \q1 Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, \q1 èske, anverite, Li p ap fè l grandi? \q1 \v 6 Men \x + \xo 23:6 \xo*\xt Mat 13:41\xt*\x*sanzave yo, yo chak va pouse \q1 jete deyò tankou raje pikan. \q1 Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men. \q1 \v 7 Men nonm nan ki touche yo, \q1 dwe ame avèk fè ak shaf lans. \q1 Kèlkeswa, yo va vin \x + \xo 23:7 \xo*\xt Mat 3:10\xt*\x*brile nèt avèk dife, \q1 nan plas kote yo ye a. \p \v 8 Sila yo se \x + \xo 23:8 \xo*\xt I Kwo 11:11\xt*\x*non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Avèk lans li ui-sant òm te mouri yon sèl kou yo. \v 9 Apre li menm, se Éléazar, fis a \x + \xo 23:9 \xo*\xt I Kwo 27:4\xt*\x*Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo. \v 10 \x + \xo 23:10 \xo*\xt I Kwo 11:13\xt*\x*Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Konsa, SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo. \v 11 Alò, apre li se te Schamma, fis Agué a, yon \x + \xo 23:11 \xo*\xt II Sam 23:33\xt*\x*Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon moso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo. \v 12 Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi \x + \xo 23:12 \xo*\xt II Sam 23:10\xt*\x*SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa. \v 13 Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote \x + \xo 23:13 \xo*\xt I Sam 22:1\xt*\x*kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan \x + \xo 23:13 \xo*\xt II Sam 5:18 \xt*\x*vale Rephaïm nan. \v 14 Nan tan sa a, David te la \x + \xo 23:14 \xo*\xt I Sam 22:4\xt*\x*nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem. \v 15 \x + \xo 23:15 \xo*\xt I Kwo 11:17\xt*\x*David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!” \v 16 \x + \xo 23:16 \xo*\xt I Kwo 11:18\xt*\x*Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a. \v 17 Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! \x + \xo 23:17 \xo*\xt Lev 17:10\xt*\x*Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè. \v 18 \x + \xo 23:18 \xo*\xt II Sam 10:10-14\xt*\x*Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te \x + \xo 23:18 \xo*\xt I Kwo 11:20-21\xt*\x*chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo. \v 19 Li te pi onore pami trant yo. Konsa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo a twa yo. \v 20 Alò, \x + \xo 23:20 \xo*\xt II Sam 8:18\xt*\x*Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe. \v 21 Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an. \v 22 Bagay sa yo, \x + \xo 23:22 \xo*\xt II Sam 23:20\xt*\x*Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo. \v 23 Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li. \v 24 \x + \xo 23:24 \xo*\xt II Sam 2:18\xt*\x*Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem, \v 25 \x + \xo 23:25 \xo*\xt I Kwo 11:27\xt*\x*Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la, \v 26 Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, \x + \xo 23:26 \xo*\xt II Sam 14:2\xt*\x*Tekoyit la, \v 27 Abiézer, \x + \xo 23:27 \xo*\xt Jos 21:18\xt*\x*Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an, \v 28 Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la. \v 29 \x + \xo 23:29 \xo*\xt I Kwo 11:30\xt*\x*Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan \x + \xo 23:29 \xo*\xt Jos 18:28\xt*\x*Guibea, fis a Benjamin yo, \v 30 Benaja, a \x + \xo 23:30 \xo*\xt Jij 12:13\xt*\x*Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch. \v 31 Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, \x + \xo 23:31 \xo*\xt II Sam 3:16\xt*\x*Bakoumit lan, \v 32 Eliachba, \x + \xo 23:32 \xo*\xt Jos 19:42\xt*\x*Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan, \v 33 Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an, \v 34 Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo. \v 35 Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la. \v 36 Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad, \v 37 Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tsuerja a. \v 38 Ira a Jéther. \v 39 Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm. \c 24 \p \v 1 Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: \x + \xo 24:1 \xo*\xt I Kwo 27:23-24\xt*\x*“Ale konte moun Israël avèk Juda yo.” \v 2 Wa a te di a Joab, chèf lame ki te avèk li a: “Ale, koulye a, atravè tout tribi Israël yo, \x + \xo 24:2 \xo*\xt Jij 20:1\xt*\x*soti nan Dan jis rive Beer-Schéba e anrejistre pèp la pou m kab konnen nonb de moun yo.” \p \v 3 Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?” \p \v 4 Men pawòl a wa a te pran plas kont Joab, e kont chèf lame yo. Pou sa, Joab avèk chèf lame yo te sòti nan prezans wa a pou anrejistre pèp Israël la. \v 5 Yo te travèse Jourdain an pou te fè kan \x + \xo 24:5 \xo*\xt Det 2:36\xt*\x*Aroër, sou bò dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak vè Jaezer. \v 6 Epi yo te vini Galaad, nan peyi Thachthim-Hodschi, yo te rive Danjaan ak kote \x + \xo 24:6 \xo*\xt Jos 19:28\xt*\x*Sidon an. \v 7 Epi yo te rive nan \x + \xo 24:7 \xo*\xt Jos 19:29\xt*\x*fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba. \v 8 Konsa, lè yo te fin pase nan tout peyi a, yo te vini Jérusalem nan fen nèf mwa e ven jou. \v 9 Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, \x + \xo 24:9 \xo*\xt I Kwo 21:5\xt*\x*ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil. \p \v 10 Koulye a, kè \x + \xo 24:10 \xo*\xt I Sam 24:5\xt*\x*David te vin twouble lè li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: “Mwen te fè gwo peche nan sa mwen te fè a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli.” \p \v 11 Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a \x + \xo 24:11 \xo*\xt I Sam 22:5\xt*\x*pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di: \v 12 “Ale pale avèk David: ‘Konsa SENYÈ a di: “Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m fè ou.”’” \p \v 13 Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske \x + \xo 24:13 \xo*\xt I Kwo 21:12\xt*\x*sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.” \p \v 14 Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, \x + \xo 24:14 \xo*\xt Sòm 51:1\xt*\x*paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.” \p \v 15 Konsa, \x + \xo 24:15 \xo*\xt I Kwo 21:14\xt*\x*SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri. \v 16 \x + \xo 24:16 \xo*\xt Trav 12:23\xt*\x*Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, \x + \xo 24:16 \xo*\xt Egz 32:14\xt*\x*SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an. \p \v 17 Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, \x + \xo 24:17 \xo*\xt II Sam 24:10\xt*\x*se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.” \p \v 18 Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.” \p \v 19 David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a. \v 20 Aravna te gade anba e te wè wa a avèk sèvitè li yo ki t ap travèse bò kote li. Epi Aravna te parèt deyò e li te bese figi li jiska atè devan wa a. \v 21 Alò, Aravna te di: “Poukisa mèt mwen, wa a, te vin kote sèvitè li a?” \p David te reponn: “Pou achte glasi a nan men ou, pou m kab bati yon lotèl bay SENYÈ a, \x + \xo 24:21 \xo*\xt Nonb 16:44-50\xt*\x*pou epidemi an kab vin sispann sou pèp la.” \p \v 22 Aravna te di a David: “Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li wè ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, \x + \xo 24:22 \xo*\xt I Sam 6:14\xt*\x*men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a. \v 23 Tout bagay, O wa, Aravna ap bay wa a.” Epi Aravna te di a wa a: “Ke SENYÈ a, Bondye ou a, kapab kontan avèk ou.” \p \v 24 Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, \x + \xo 24:24 \xo*\xt I Kwo 21:24-25\xt*\x*David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan. \v 25 David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. \x + \xo 24:25 \xo*\xt II Sam 21:14\xt*\x*Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.