\id 2PE \ide UTF-8 \h II Pierre \toc1 II PIERRE \toc2 II Pierre \toc3 II Pi \mt1 II PIERRE \c 1 \p \v 1 Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa \x + \xo 1:1 \xo*\xt Wo 1:12\xt*\x*yon lafwa menm jan ak nou yo, pa \x + \xo 1:1 \xo*\xt Wo 3:21-26\xt*\x*ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri: \v 2 Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan \x + \xo 1:2 \xo*\xt Jn 17:3\xt*\x*konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an, \v 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vrè konesans a Li, ki te \x + \xo 1:3 \xo*\xt I Tes 2:12\xt*\x*rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. \v 4 Paske pa sila yo, Li te bannou \x + \xo 1:4 \xo*\xt II Pi 3:9,13\xt*\x*pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin \x + \xo 1:4 \xo*\xt I Jn 3:2\xt*\x*patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a. \p \v 5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete \x + \xo 1:5 \xo*\xt Kol 2:3\xt*\x*konesans. \v 6 Sou konesans nou, mete \x + \xo 1:6 \xo*\xt Trav 24:25\xt*\x*bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete \x + \xo 1:6 \xo*\xt Luc 21:19\xt*\x*pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. \v 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan \x + \xo 1:7 \xo*\xt Wo 12:10\xt*\x*bonte fratènèl nou, mete lanmou. \p \v 8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni \x + \xo 1:8 \xo*\xt Kol 1:10\xt*\x*san fwi nan vrè konesans Senyè nou an, Jésus Kri. \v 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo \x + \xo 1:9 \xo*\xt I Jn 2:11\xt*\x*avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo. \p \v 10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de \x + \xo 1:10 \xo*\xt Wo 11:29; I Tes 1:4\xt*\x*chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. \v 11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va \x + \xo 1:11 \xo*\xt Wo 2:4\xt*\x*toujou disponib a nou menm an abondans. \p \v 12 Konsa, mwen va toujou prè pou fè nou sonje bagay sa yo, malgre nou deja konnen yo, e etabli nan \x + \xo 1:12 \xo*\xt Kol 1:5\xt*\x*verite ki deja la avèk nou an. \v 13 Paske mwen konsidere li bon, toutotan mwen ap demere nan kay tèrès sila a, pou vire memwa nou pou fè nou sonje, \v 14 avèk konesans ke moman pou \x + \xo 1:14 \xo*\xt II Tim 4:6; Jn 21:19\xt*\x*mete akote kay tèrès mwen an toupre kòm osi Jésus Kri te fè m byen konprann nan. \v 15 Konsa, mwen va osi fè dilijans pou nenpòt lè m \x + \xo 1:15 \xo*\xt Luc 9:31\xt*\x*fin ale, nou kapab toujou sonje bagay sa yo. \p \v 16 Paske nou pa t swiv \x + \xo 1:16 \xo*\xt I Tim 1:4\xt*\x*vye listwa koken lè nou te fè nou konnen \x + \xo 1:16 \xo*\xt Mc 13:26\xt*\x*pwisans ak retou a Senyè nou an, Jésus Kri, men zye nou te temwen majeste Li. \v 17 Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon \x + \xo 1:17 \xo*\xt Mat 17:5\xt*\x*pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.” \v 18 Epi nou menm te tande pawòl sa yo, fèt depi nan syèl la, lè nou te avèk Li sou \x + \xo 1:18 \xo*\xt Egz 3:5\xt*\x*mòn sen an. \p \v 19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon \x + \xo 1:19 \xo*\xt Sòm 119:105\xt*\x*lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e \x + \xo 1:19 \xo*\xt Rev 22:16\xt*\x*zetwal granmmaten an leve nan kè nou. \p \v 20 Men konnen sa davans, ke \x + \xo 1:20 \xo*\xt Wo 12:6\xt*\x*nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. \v 21 Paske \x + \xo 1:21 \xo*\xt Jr 23:26\xt*\x*okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye. \c 2 \p \v 1 Men \x + \xo 2:1 \xo*\xt Det 13:1\xt*\x*fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo. \v 2 Anpil va swiv \x + \xo 2:2 \xo*\xt Jen 19:5\xt*\x*vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va \x + \xo 2:2 \xo*\xt Wo 2:24\xt*\x*meprize. \v 3 Epi nan \x + \xo 2:3 \xo*\xt I Tim 6:5; Det 32:35\xt*\x*vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi. \v 4 Paske \x + \xo 2:4 \xo*\xt Jd 1:6\xt*\x*si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an; \v 5 epi pa t epagne \x + \xo 2:5 \xo*\xt Egz 26:20\xt*\x*ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a, \v 6 epi si Li te \x + \xo 2:6 \xo*\xt Jen 19:24\xt*\x*kondane vil Sodome ak Gomorrhe pou destriksyon e te redwi yo an sann, epi te fè yo yon egzanp pou sila ki ta vin mennen yon vi san Bondye pi devan yo; \v 7 epi si li te \x + \xo 2:7 \xo*\xt Jen 19:24\xt*\x*delivre Lot ki te yon nonm ladwati, oprime pa sansyalite a mesye san prensip yo, \v 8 (paske pa sa ke li te wè e tande \x + \xo 2:8 \xo*\xt Eb 11:4\xt*\x*nonm ladwati sila a, pandan li t ap viv pami yo, te santi nanm dwat li a te toumante jou apre jou pa zèv san règ ni lwa yo.) \v 9 \x + \xo 2:9 \xo*\xt I Kor 10:13\xt*\x*Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an. \v 10 Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki \x + \xo 2:10 \xo*\xt Egz 22:28\xt*\x*meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo, \v 11 \x + \xo 2:11 \xo*\xt Jd 9\xt*\x*malgre zanj ki pi gran an pwisans ak pouvwa yo pa janm pote yon move jijman kont yo devan Senyè a. \v 12 Men \x + \xo 2:12 \xo*\xt Jd 10\xt*\x*sa yo, tankou bèt san rezon, fèt tankou kreyati ki aji san refleksyon, ki fèt pou kapte e touye, ki mal pale kote yo pa gen konesans, va osi detwi nan destriksyon a kreyati sila yo. \p \v 13 Y ap soufri mal kòm salè a mal ke yo fè. Se plezi yo pou \x + \xo 2:13 \xo*\xt Wo 13:13\xt*\x*fè banbòch an plèn joune. Se tach ak salte, k ap fè kè kontan nan desepsyon yo, pandan y ap fete avèk nou. \v 14 Ak zye plen adiltè ki pa janm sispann fè peche, yo sedwi \x + \xo 2:14 \xo*\xt Jc 1:8\xt*\x*nanm ki pa stab yo. Kè yo ki antrene pou lanvi tout bagay, se pitit madichon yo ye. \v 15 Nan abandone \x + \xo 2:15 \xo*\xt Trav 13:10\xt*\x*bon chemen an, yo vin egare pou swiv \x + \xo 2:15 \xo*\xt Nonb 22:5,7\xt*\x*chemen Balaam, fis Bosor a, ki te renmen salè inikite yo. \v 16 Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske \x + \xo 2:16 \xo*\xt Nonb 22:21,23,28,30\xt*\x*yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la. \p \v 17 Sa yo se \x + \xo 2:17 \xo*\xt Jd 12\xt*\x*sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt \x + \xo 2:17 \xo*\xt Jd 13\xt*\x*pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. \v 18 Paske nan pale fò avèk \x + \xo 2:18 \xo*\xt Jd 16\xt*\x*awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, \v 19 k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske \x + \xo 2:19 \xo*\xt Jn 8:34\xt*\x*sa ki domine yon moun, fè l vin esklav. \p \v 20 Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte \x + \xo 2:20 \xo*\xt Mat 12:45\xt*\x*dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. \v 21 \x + \xo 2:21 \xo*\xt Éz 18:24\xt*\x*Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te \x + \xo 2:21 \xo*\xt Jd 3\xt*\x*livre a yo menm nan. \v 22 Men sa ki vin rive a yo menm selon vrè pwovèb la: \x + \xo 2:22 \xo*\xt Pwov 26:11\xt*\x*“Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benye, li retounen woule kò l nan labou a.” \c 3 \p \v 1 Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye \x + \xo 3:1 \xo*\xt II Pi 1:13\xt*\x*kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, \v 2 pou nou kab \x + \xo 3:2 \xo*\xt Jd 17\xt*\x*sonje pawòl ki te pale oparavan pa \x + \xo 3:2 \xo*\xt Luc 1:70\xt*\x*pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo. \p \v 3 Konnen sa dabò, ke \x + \xo 3:3 \xo*\xt I Tim 4:1\xt*\x*nan dènye jou yo \x + \xo 3:3 \xo*\xt Jd 18\xt*\x*mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, \v 4 epi yo va di: \x + \xo 3:4 \xo*\xt Mal 2:17\xt*\x*“Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin \x + \xo 3:4 \xo*\xt Trav 7:60\xt*\x*mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.” \p \v 5 Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te \x + \xo 3:5 \xo*\xt Sòm 24:2\xt*\x*fòme avèk dlo e pa dlo. \v 6 Pa dlo sa a \x + \xo 3:6 \xo*\xt II Pi 2:5; Jen 7:11\xt*\x*mond lan te detwi, lè l vin kouvri avèk dlo. \v 7 Men, pa pawòl Li \x + \xo 3:7 \xo*\xt II Pi 3:10,12\xt*\x*syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk \x + \xo 3:7 \xo*\xt És 66:15\xt*\x*dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo. \p \v 8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou \x + \xo 3:8 \xo*\xt Sòm 90:4\xt*\x*mil ane, e mil ane se tankou yon jou. \v 9 \x + \xo 3:9 \xo*\xt Hab 2:3\xt*\x*Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li \x + \xo 3:9 \xo*\xt I Tim 2:4\xt*\x*pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans. \p \v 10 Men \x + \xo 3:10 \xo*\xt I Kor 1:8\xt*\x*jou a Senyè a \x + \xo 3:10 \xo*\xt I Tes 5:2\xt*\x*va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt. \p \v 11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? \v 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè \x + \xo 3:12 \xo*\xt II Pi 3:7,10\xt*\x*syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! \v 13 Men selon \x + \xo 3:13 \xo*\xt És 65:17\xt*\x*pwomès Li, n ap chache \x + \xo 3:13 \xo*\xt Wo 8:21\xt*\x*syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite. \p \v 14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè \x + \xo 3:14 \xo*\xt Fil 2:15\xt*\x*san tach e san fot. \v 15 Konsidere \x + \xo 3:15 \xo*\xt II Pi 3:9; Trav 15:25\xt*\x*pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, \v 16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. \x + \xo 3:16 \xo*\xt Eb 5:11\xt*\x*Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo. \p \v 17 Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou. \v 18 Men grandi nan lagras ak konesans \x + \xo 3:18 \xo*\xt II Pi 2:2\xt*\x*Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. \p A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.