\id 2CO \ide UTF-8 \h II Korentyen Yo \toc1 II KORENTYEN YO \toc2 II Korentyen Yo \toc3 II Kor \mt1 2 KORENTYEN YO \c 1 \p \v 1 Paul, yon apot Kris Jésus \x + \xo 1:1 \xo*\xt I Kor 1:1\xt*\x*pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, \x + \xo 1:1 \xo*\xt I Kor 10:32\xt*\x*a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo: \v 2 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Wo 1:7\xt*\x*Lagras avèk nou ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri. \p \v 3 \x + \xo 1:3 \xo*\xt Ef 1:3\xt*\x*Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; \v 4 ki \x + \xo 1:4 \xo*\xt És 51:12\xt*\x*rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. \v 5 Paske menm jan \x + \xo 1:5 \xo*\xt II Kor 4:10\xt*\x*ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. \v 6 Men si nou aflije, se \x + \xo 1:6 \xo*\xt II Kor 4:15\xt*\x*pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. \v 7 Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen \x + \xo 1:7 \xo*\xt Wo 8:17\xt*\x*menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo. \p \v 8 Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de \x + \xo 1:8 \xo*\xt Trav 19:23\xt*\x*afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou. \v 9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, \v 10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se \x + \xo 1:10 \xo*\xt I Tim 4:10\xt*\x*sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou; \v 11 nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa \x + \xo 1:11 \xo*\xt II Kor 4:15\xt*\x*anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun. \p \v 12 Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj \x + \xo 1:12 \xo*\xt Trav 23:1\xt*\x*konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm. \v 13 Paske nou pa ekri okenn lòt bagay bannou, sof ke sa nou kapab li ak konprann, e m espere ke nou va konprann \x + \xo 1:13 \xo*\xt I Kor 1:8\xt*\x*jiska lafen. \v 14 Menm jan ou te osi konprann nou nan yon pati a, ke ou se rezon fyète nou nan \x + \xo 1:14 \xo*\xt I Kor 1:8\xt*\x*jou a Senyè nou an Jésus, menm jan tou ke ou se rezon fyète pa nou an. \p \v 15 Epi premyèman, se te nan konfyans sila ke m te gen entansyon pou vin kote nou an, pou nou ta kapab resevwa yon \x + \xo 1:15 \xo*\xt Wo 1:11\xt*\x*benediksyon doub. \v 16 Sa vle di, pou \x + \xo 1:16 \xo*\xt Trav 19:21\xt*\x*pase kote nou nan antre Macédoine, e osi nan soti Macédoine pou m vin kote nou, pou nou ta kapab ede m nan vwayaj mwen pou rive Judée. \v 17 Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li \x + \xo 1:17 \xo*\xt II Kor 10:2\xt*\x*selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a? \v 18 Men jan \x + \xo 1:18 \xo*\xt I Kor 1:9\xt*\x*Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm. \v 19 Paske \x + \xo 1:19 \xo*\xt Mat 4:3\xt*\x*Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm. \v 20 Paske malgre fòs kantite \x + \xo 1:20 \xo*\xt Wo 15:8\xt*\x*pwomès Bondye yo kon bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm. \p \v 21 Koulye a, \x + \xo 1:21 \xo*\xt Wo 8:16\xt*\x*Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris, epi ki te onksyone nou, se Bondye. \v 22 Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès. \p \v 23 Men \x + \xo 1:23 \xo*\xt Wo 1:9\xt*\x*mwen rele Bondye kòm temwen nanm mwen, ke se sèl pou m fè nou gras, m pa t vin Corinthe ankò. \v 24 Se pa ke nou menm \x + \xo 1:24 \xo*\xt II Kor 4:5\xt*\x*ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm. \c 2 \p \v 1 Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen \x + \xo 2:1 \xo*\xt I Kor 4:21\xt*\x*pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò. \v 2 Paske si m \x + \xo 2:2 \xo*\xt II Kor 7:8\xt*\x*fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la. \v 3 Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen \x + \xo 2:3 \xo*\xt Gal 5:10\xt*\x*konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout. \v 4 Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m \x + \xo 2:4 \xo*\xt II Kor 2:9\xt*\x*te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an. \p \v 5 Men \x + \xo 2:5 \xo*\xt I Kor 5:1\xt*\x*si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout. \v 6 Sifi pou yon moun konsa se \x + \xo 2:6 \xo*\xt I Kor 5:4\xt*\x*pinisyon ki te enpoze pa majorite a. \v 7 Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e \x + \xo 2:7 \xo*\xt Gal 6:1\xt*\x*padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit. \v 8 Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a. \v 9 Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou \x + \xo 2:9 \xo*\xt II Kor 7:15\xt*\x*obeyisan nan tout bagay. \v 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou \x + \xo 2:10 \xo*\xt I Kor 5:4\xt*\x*nan prezans a Kris la \v 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske \x + \xo 2:11 \xo*\xt Luc 22:31\xt*\x*nou pa inyoran de manèv li yo. \p \v 12 Alò, lè m te vini \x + \xo 2:12 \xo*\xt Trav 16:8\xt*\x*Troas pou levanjil a Kris la, e lè \x + \xo 2:12 \xo*\xt Trav 14:27\xt*\x*yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a, \v 13 mwen \x + \xo 2:13 \xo*\xt II Kor 7:5\xt*\x*pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine. \p \v 14 \x + \xo 2:14 \xo*\xt Wo 1:8\xt*\x*Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. \v 15 Paske nou se \x + \xo 2:15 \xo*\xt Ef 5:2\xt*\x*odè santi bon a Kris la vè Bondye pami \x + \xo 2:15 \xo*\xt I Kwo 1:18\xt*\x*sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. \v 16 \x + \xo 2:16 \xo*\xt Luc 2:34\xt*\x*Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki \x + \xo 2:16 \xo*\xt II Kor 3:5\xt*\x*gen ase de fòs pou bagay sa yo? \v 17 Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men \x + \xo 2:17 \xo*\xt I Kor 5:8\xt*\x* nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris. \c 3 \p \v 1 Èske n ap kòmanse \x + \xo 3:1 \xo*\xt II Kor 5:12\xt*\x*bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm? \v 2 \x + \xo 3:2 \xo*\xt I Kor 9:2\xt*\x*Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun. \v 3 Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou \x + \xo 3:3 \xo*\xt Pwov 3:3\xt*\x*tablèt kè lòm. \p \v 4 Yon \x + \xo 3:4 \xo*\xt Ef 3:12\xt*\x*konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye. \v 5 Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men \x + \xo 3:5 \xo*\xt I Kor 15:10\xt*\x*fòs nou an soti nan Bondye. \v 6 Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon \x + \xo 3:6 \xo*\xt Jr 31:31\xt*\x*akò tounèf, pa selon \x + \xo 3:6 \xo*\xt Wo 2:29\xt*\x*lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi. \p \v 7 Men si \x + \xo 3:7 \xo*\xt Wo 7:5\xt*\x*zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, \x + \xo 3:7 \xo*\xt Egz 34:29-35\xt*\x*jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese, \v 8 kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a? \v 9 Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis \x + \xo 3:9 \xo*\xt Wo 1:17\xt*\x*zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa? \v 10 Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la. \v 11 Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa. \p \v 12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, \x + \xo 3:12 \xo*\xt Trav 4:13,29\xt*\x*nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo. \v 13 Se pa tankou Moïse \x + \xo 3:13 \xo*\xt Egz 34:33-35\xt*\x*ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la. \v 14 Men tèt yo te \x + \xo 3:14 \xo*\xt Wo 11:7\xt*\x*vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, \x + \xo 3:14 \xo*\xt Trav 13:5\xt*\x* menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. \v 15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo. \v 16 \x + \xo 3:16 \xo*\xt Egz 34:34\xt*\x*Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. \v 17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, \x + \xo 3:17 \xo*\xt Jn 8:32\xt*\x*gen libète. \v 18 Men nou tout, avèk figi devwale \x + \xo 3:18 \xo*\xt I Kor 13:12\xt*\x*k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a \x + \xo 3:18 \xo*\xt Wo 8:29\xt*\x*k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a. \c 4 \p \v 1 Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te \x + \xo 4:1 \xo*\xt I Kor 7:25\xt*\x*resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje. \v 2 Men nou renonse a \x + \xo 4:2 \xo*\xt Wo 6:21\xt*\x*bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye. \v 3 Men si levanjil nou an \x + \xo 4:3 \xo*\xt I Kor 2:6\xt*\x*vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. \v 4 Nan ka sila a, \x + \xo 4:4 \xo*\xt Jn 12:31\xt*\x*dye a mond sa a \x + \xo 4:4 \xo*\xt II Kor 3:14\xt*\x*vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye. \v 5 Paske \x + \xo 4:5 \xo*\xt I Kor 4:15\xt*\x*nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus. \v 6 Paske se Bondye, ki te di: \x + \xo 4:6 \xo*\xt Jen 1:3\xt*\x*“Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki \x + \xo 4:6 \xo*\xt II Pi 1:19\xt*\x*te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a. \p \v 7 Men nou gen trezò sa a nan \x + \xo 4:7 \xo*\xt Lam 4:2\xt*\x*po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a \x + \xo 4:7 \xo*\xt Jij 7:2\xt*\x*pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. \v 8 Nou \x + \xo 4:8 \xo*\xt II Kor 1:8\xt*\x*aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, \v 9 pèsekite, men nou pa \x + \xo 4:9 \xo*\xt Sòm 129:2\xt*\x*abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. \v 10 \x + \xo 4:10 \xo*\xt Wo 6:5\xt*\x*Nou toujou ap pote nan kò la, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. \v 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. \v 12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan ou. \p \v 13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: \x + \xo 4:13 \xo*\xt Sòm 116:10\xt*\x*“Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; \v 14 avèk konesans ke Sila ki te \x + \xo 4:14 \xo*\xt Trav 2:24\xt*\x*leve Senyè a Jésus \x + \xo 4:14 \xo*\xt I Tes 4:14\xt*\x*va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. \v 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan \x + \xo 4:15 \xo*\xt Wo 8:28\xt*\x*kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye. \p \v 16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze \x + \xo 4:16 \xo*\xt Wo 7:22\xt*\x*deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. \v 17 Paske ti afliksyon \x + \xo 4:17 \xo*\xt Wo 8:18\xt*\x*pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, \v 18 pandan \x + \xo 4:18 \xo*\xt Wo 8:24\xt*\x*nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite. \c 5 \p \v 1 Paske nou konnen ke si \x + \xo 5:1 \xo*\xt Job 4:19\xt*\x*tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki \x + \xo 5:1 \xo*\xt Trav 7:48\xt*\x*pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. \v 2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou \x + \xo 5:2 \xo*\xt Wo 8:23\xt*\x*plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; \v 3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. \v 4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl. \v 5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te \x + \xo 5:5 \xo*\xt Wo 8:23\xt*\x*bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la. \p \v 6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke \x + \xo 5:6 \xo*\xt Eb 11:13\xt*\x*pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, \v 7 paske \x + \xo 5:7 \xo*\xt I Kwo 13:12\xt*\x*nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. \v 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan \x + \xo 5:8 \xo*\xt Jn 12:26\xt*\x*lakay nou avèk Senyè a. \v 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, \x + \xo 5:9 \xo*\xt Wo 14:18\xt*\x*pou fè Li menm plezi. \v 10 Paske nou tout dwe parèt devan \x + \xo 5:10 \xo*\xt Mat 16:27\xt*\x*chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal. \p \v 11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou \x + \xo 5:11 \xo*\xt II Kor 4:2\xt*\x*rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. \v 12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men \x + \xo 5:12 \xo*\xt II Kor 1:14\xt*\x*n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè. \v 13 Paske si nou vin \x + \xo 5:13 \xo*\xt Mc 3:21\xt*\x*debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm. \v 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke \x + \xo 5:14 \xo*\xt Wo 5:15\xt*\x*yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. \v 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta \x + \xo 5:15 \xo*\xt Wo 14:7-9\xt*\x*viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a. \p \v 16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun \x + \xo 5:16 \xo*\xt Jn 8:15\xt*\x*selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. \v 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. \x + \xo 5:17 \xo*\xt És 43:18\xt*\x*Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. \v 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye \x + \xo 5:18 \xo*\xt Wo 5:10\xt*\x*ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. \v 19 Kòmsi ke \x + \xo 5:19 \xo*\xt Kol 2:9\xt*\x*Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an. \p \v 20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la \x + \xo 5:20 \xo*\xt Wo 5:10\xt*\x*pou nou vin rekonsilye ak Bondye. \v 21 Li te fè Sila ki \x + \xo 5:21 \xo*\xt Eb 4:15\xt*\x*pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm. \c 6 \p \v 1 Epi nan \x + \xo 6:1 \xo*\xt I Kor 3:9\xt*\x*travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. \v 2 Paske Li di: \q1 \x + \xo 6:2 \xo*\xt És 49:8\xt*\x*“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou, \q1 e nan jou sali a Mwen te ede nou”. \p Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”. \v 3 Konsa,\x + \xo 6:3 \xo*\xt I Kor 8:9,13\xt*\x*Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. \v 4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nan\x + \xo 6:4 \xo*\xt Trav 9:16\xt*\x*anpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès \v 5 nan \x + \xo 6:5 \xo*\xt Trav 16:23\xt*\x*pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi \x + \xo 6:5 \xo*\xt I Kor 4:11\xt*\x*nan grangou \v 6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan \x + \xo 6:6 \xo*\xt I Kor 2:4\xt*\x*Lespri Sen an, nan vrè lanmou an \v 7 nan pawòl verite a, nan \x + \xo 6:7 \xo*\xt I Kor 2:5\xt*\x*pwisans Bondye a; ak \x + \xo 6:7 \xo*\xt II Kor 10:4\xt*\x*zam ladwati pou men dwat ak men goch yo, \v 8 pa laglwa ak \x + \xo 6:8 \xo*\xt I Kwo 4:10\xt*\x*wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a; \v 9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen \x + \xo 6:9 \xo*\xt II Kor 1:8,10\xt*\x*vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò, \v 10 kòm \x + \xo 6:10 \xo*\xt Jn 16:22\xt*\x*plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm \x + \xo 6:10 \xo*\xt II Kor 8:9\xt*\x*pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay. \p \v 11 \x + \xo 6:11 \xo*\xt Éz 33:22\xt*\x*Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj. \v 12 Nou pa anpeche nou, men \x + \xo 6:12 \xo*\xt II Kor 7:2\xt*\x*ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. \v 13 Koulye a, \x + \xo 6:13 \xo*\xt I Kor 4:14\xt*\x*nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou. \p \v 14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske \x + \xo 6:14 \xo*\xt Ef 5:7-11\xt*\x*ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? \v 15 Oubyen ki \x + \xo 6:15 \xo*\xt I Kor 10:21\xt*\x*amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? \v 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: \x + \xo 6:16 \xo*\xt Egz 29:45\xt*\x*“Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” \v 17 \x + \xo 6:17 \xo*\xt És 52:11\xt*\x*Konsa, \q1 “‘Soti nan mitan yo, \q1 e separe de yo’, di Senyè a. \q1 ‘Pa touche sa ki enpi. \q1 Mwen va akeyi nou. \q1 \v 18 \x + \xo 6:18 \xo*\xt II Sam 7:14\xt*\x*Mwen va yon Papa pou nou, \q1 e nou va fis ak fi pou Mwen,’ \p di Senyè Tou Pwisan an.” \c 7 \p \v 1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, \x + \xo 7:1 \xo*\xt I Pi 1:15\xt*\x*annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye. \p \v 2 \x + \xo 7:2 \xo*\xt II Kor 6:12\xt*\x*Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun. \v 3 Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di \x + \xo 7:3 \xo*\xt II Kor 6:11\xt*\x*avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm. \v 4 Konfyans mwen gen nan nou an gran. \x + \xo 7:4 \xo*\xt II Kor 7:14\xt*\x*Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk \x + \xo 7:4 \xo*\xt II Kor 1:4\xt*\x*rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo. \p \v 5 Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te \x + \xo 7:5 \xo*\xt II Kor 4:8\xt*\x*aflije toupatou: \x + \xo 7:5 \xo*\xt Det 32:25\xt*\x*konfli deyò, laperèz anndan. \v 6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè \x + \xo 7:6 \xo*\xt II Kor 2:13\xt*\x*Tite te vini an. \v 7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou. \p \v 8 Paske malgre ke m te \x + \xo 7:8 \xo*\xt II Kor 2:2\xt*\x*koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan. \v 9 Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm. \v 10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon \x + \xo 7:10 \xo*\xt Trav 11:18\xt*\x*repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò. \v 11 Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl \x + \xo 7:11 \xo*\xt II Kor 7:7\xt*\x*dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a. \v 12 Donk, malgre \x + \xo 7:12 \xo*\xt II Kor 2:3,9\xt*\x*m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm. \v 13 Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout. \v 14 Paske si nan yon bagay mwen te \x + \xo 7:14 \xo*\xt II Kor 7:4\xt*\x*fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite. \v 15 Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk \x + \xo 7:15 \xo*\xt I Kor 2:3\xt*\x*lakrent e avèk tranbleman. \v 16 Mwen rejwi ke nan tout bagay \x + \xo 7:16 \xo*\xt II Kor 2:3\xt*\x*mwen gen konfyans nan nou. \c 8 \p \v 1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye \x + \xo 8:1 \xo*\xt II Kor 8:5\xt*\x*ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. \v 2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin \x + \xo 8:2 \xo*\xt Wo 2:4\xt*\x*richès nan jenewozite yo. \v 3 Paske mwen temwaye ke \x + \xo 8:3 \xo*\xt I Kor 16:2\xt*\x*selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo. \v 4 Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan \x + \xo 8:4 \xo*\xt Wo 15:31\xt*\x*soutyen a fidèl yo. \v 5 Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm \x + \xo 8:5 \xo*\xt I Kor 1:1\xt*\x*selon volonte Bondye. \v 6 Donk, nou te \x + \xo 8:6 \xo*\xt II Kor 8:17\xt*\x*ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a. \v 7 Men menm jan nou toujou \x + \xo 8:7 \xo*\xt II Kor 9:8\xt*\x*fè ekselans ki depase \x + \xo 8:7 \xo*\xt I Kor 1:5\xt*\x*nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a. \p \v 8 Mwen \x + \xo 8:8 \xo*\xt I Kor 7:6\xt*\x*p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou. \v 9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke \x + \xo 8:9 \xo*\xt Fil 2:6\xt*\x*malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich. \v 10 Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun \x + \xo 8:10 \xo*\xt I Kor 16:2\xt*\x*ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l. \v 11 Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen \x + \xo 8:11 \xo*\xt II Kor 8:12,19\xt*\x*bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou. \v 12 Paske si volonte a la, li akseptab \x + \xo 8:12 \xo*\xt Mc 12:43\xt*\x*selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen. \v 13 Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite. \v 14 Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè \x + \xo 8:14 \xo*\xt Trav 4:34\xt*\x*bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite. \v 15 Jan sa ekri a: \x + \xo 8:15 \xo*\xt Egz 16:18\xt*\x*“Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.” \p \v 16 Men \x + \xo 8:16 \xo*\xt II Kor 2:14\xt*\x*gras a Bondye ki \x + \xo 8:16 \xo*\xt Rev 17:17\xt*\x*mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la. \v 17 Paske li pa t sèlman aksepte \x + \xo 8:17 \xo*\xt II Kor 8:6\xt*\x*apèl nou, men akoz li te trè zele, li te vin kote nou ak pwòp volonte li. \v 18 Epi nou te voye avèk li \x + \xo 8:18 \xo*\xt I Kor 16:3\xt*\x*frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo. \v 19 Epi se pa sèlman sa, men li te osi \x + \xo 8:19 \xo*\xt I Kor 16:3\xt*\x*chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou. \v 20 N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a. \v 21 Paske nou \x + \xo 8:21 \xo*\xt Wo 12:17\xt*\x*respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm. \v 22 Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm. \v 23 Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se \x + \xo 8:23 \xo*\xt Fil 2:25\xt*\x*mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la. \v 24 Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak \x + \xo 8:24 \xo*\xt II Kor 7:4\xt*\x*rezon pou gen fyète de nou. \c 9 \p \v 1 Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou \x + \xo 9:1 \xo*\xt II Kor 8:4\xt*\x*ministè sa a pou sen yo, \v 2 paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi \x + \xo 9:2 \xo*\xt II Kor 8:10\xt*\x*ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo. \v 3 Men mwen te voye frè yo, pouke \x + \xo 9:3 \xo*\xt II Kor 7:4\xt*\x*konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke \x + \xo 9:3 \xo*\xt I Kwo 16:2\xt*\x*jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare. \v 4 Pou si li pa t fèt , epi nenpòt nan \x + \xo 9:4 \xo*\xt Wo 15:26\xt*\x*Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje. \v 5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans \x + \xo 9:5 \xo*\xt Jen 33:11\xt*\x*kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm. \p \v 6 Sonje, \x + \xo 9:6 \xo*\xt Pwov 11:24\xt*\x*sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. \v 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk \x + \xo 9:7 \xo*\xt Det 15:10\xt*\x*regrè oubyen anba presyon, paske \x + \xo 9:7 \xo*\xt Egz 25:2\xt*\x*Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. \v 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. \v 9 Jan sa ekri a: \q1 \x + \xo 9:9 \xo*\xt Sòm 112:9\xt*\x*“Li te gaye toupatou. \q1 Li te bay a malere yo. \q1 Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.” \p \v 10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. \v 11 Pou konsa, nou ka \x + \xo 9:11 \xo*\xt I Kor 1:5\xt*\x*anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. \v 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi \x + \xo 9:12 \xo*\xt II Kor 8:14\xt*\x*bezwen a sen yo, men va osi pou debòde \x + \xo 9:12 \xo*\xt II Kor 1:11\xt*\x*atravè anpil remèsiman a Bondye. \v 13 Akoz de prèv ki te bay pa \x + \xo 9:13 \xo*\xt Wo 15:31\xt*\x*ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. \v 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. \v 15 Remèsiman a Bondye pou \x + \xo 9:15 \xo*\xt Wo 5:15\xt*\x*don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime. \c 10 \p \v 1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa \x + \xo 10:1 \xo*\xt Mat 11:29\xt*\x*imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! \v 2 Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè \x + \xo 10:2 \xo*\xt I Kor 4:18\xt*\x*kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. \v 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa \x + \xo 10:3 \xo*\xt Wo 8:4\xt*\x*fè lagè selon lachè, \v 4 paske \x + \xo 10:4 \xo*\xt II Kor 6:7\xt*\x*zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. \v 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk \x + \xo 10:5 \xo*\xt És 2:11\xt*\x*tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. \v 6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè \x + \xo 10:6 \xo*\xt II Kor 2:9\xt*\x*obeyisans nou an fin ranpli. \p \v 7 \x + \xo 10:7 \xo*\xt Jn 7:24\xt*\x*Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la \x + \xo 10:7 \xo*\xt I Kor 9:1\xt*\x*nou menm osi, nou nan Li. \v 8 Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou \x + \xo 10:8 \xo*\xt II Kor 13:10\xt*\x*ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont. \v 9 Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo. \v 10 Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e \x + \xo 10:10 \xo*\xt I Kor 1:17\xt*\x*jan li pale vrèman meprizab.” \v 11 Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo lè nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon lè nou la. \p \v 12 Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki \x + \xo 10:12 \xo*\xt II Kor 3:1\xt*\x*rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann. \v 13 Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men \x + \xo 10:13 \xo*\xt Wo 12:3\xt*\x*nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. \v 14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan \x + \xo 10:14 \xo*\xt II Kor 2:12\xt*\x*levanjil Kris la. \v 15 Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan \x + \xo 10:15 \xo*\xt II Tes 1:3\xt*\x*lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. \v 16 Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou \x + \xo 10:16 \xo*\xt Wo 15:20\xt*\x*nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt. \v 17 Men \x + \xo 10:17 \xo*\xt Jr 9:24\xt*\x*“Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” \v 18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se \x + \xo 10:18 \xo*\xt Wo 2:29\xt*\x*sila ki rekòmande pa Bondye a. \c 11 \p \v 1 Mwen swete ke nou \x + \xo 11:1 \xo*\xt Mat 17:17\xt*\x*ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja. \v 2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te \x + \xo 11:2 \xo*\xt Os 2:19\xt*\x*fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. \v 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. \v 4 Paske si yon moun vini pou preche \x + \xo 11:4 \xo*\xt I Kor 3:11\xt*\x*yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon \x + \xo 11:4 \xo*\xt Gal 1:6\xt*\x*lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa. \v 5 Paske mwen pa konsidere tèt mwen \x + \xo 11:5 \xo*\xt II Kor 12:11\xt*\x*kòm enferyè a pi gran apot yo. \v 6 Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan \x + \xo 11:6 \xo*\xt I Kor 12:8\xt*\x*konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay. \p \v 7 Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm \x + \xo 11:7 \xo*\xt Trav 18:3\xt*\x*san frè? \v 8 Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te \x + \xo 11:8 \xo*\xt I Kor 4:12\xt*\x*pran kòb soutyen lan nan men yo pou sèvi nou. \v 9 Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen \x + \xo 11:9 \xo*\xt II Kor 12:13,16\xt*\x*pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè \x + \xo 11:9 \xo*\xt Trav 18:5\xt*\x*frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. \v 10 \x + \xo 11:10 \xo*\xt Wo 9:1\xt*\x*Jan verite Kris la nan mwen an \x + \xo 11:10 \xo*\xt I Kor 9:15\xt*\x*vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo. \v 11 Poukisa? \x + \xo 11:11 \xo*\xt II Kor 12:15\xt*\x*Paske mwen pa renmen nou? \x + \xo 11:11 \xo*\xt II Kor 11:31\xt*\x*Bondye konnen ke m renmen nou! \p \v 12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a \x + \xo 11:12 \xo*\xt I Kor 9:12\xt*\x*pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. \v 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, \x + \xo 11:13 \xo*\xt Fil 3:2\xt*\x*ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. \v 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm \x + \xo 11:14 \xo*\xt Mat 4:10\xt*\x*Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. \v 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki \x + \xo 11:15 \xo*\xt Wo 2:6\xt*\x*va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo. \p \v 16 \x + \xo 11:16 \xo*\xt II Kor 11:1\xt*\x*Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti. \v 17 Sa m ap di a, mwen p ap di li \x + \xo 11:17 \xo*\xt I Kwo 7:12,25\xt*\x*jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen an. \v 18 Akoz ke \x + \xo 11:18 \xo*\xt Fil 3:3\xt*\x*anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou. \v 19 Men nou menm \x + \xo 11:19 \xo*\xt I Kor 4:10\xt*\x*ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan. \v 20 Paske nou tolere li si yon moun \x + \xo 11:20 \xo*\xt Gal 2:4\xt*\x*fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi. \v 21 Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te \x + \xo 11:21 \xo*\xt II Kor 10:10\xt*\x*twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an. \v 22 Èske se Ebre yo ye? \x + \xo 11:22 \xo*\xt Fil 3:5\xt*\x*Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? \x + \xo 11:22 \xo*\xt Wo 11:1\xt*\x*Mwen menm tou. \v 23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, \x + \xo 11:23 \xo*\xt I Kor 15:10\xt*\x*plis nan travay, \x + \xo 11:23 \xo*\xt II Kor 6:5\xt*\x*bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. \v 24 Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo \x + \xo 11:24 \xo*\xt Det 25:3\xt*\x*trant-nèf kout fwèt. \v 25 Twa fwa mwen te \x + \xo 11:25 \xo*\xt Trav 16:22\xt*\x*bat avèk baton, yon fwa mwen te \x + \xo 11:25 \xo*\xt Trav 14:19\xt*\x*lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. \v 26 Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo \x + \xo 11:26 \xo*\xt Trav 21:31\xt*\x*danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, \x + \xo 11:26 \xo*\xt Gal 2:4\xt*\x*e danje pami fo frè yo. \v 27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan \x + \xo 11:27 \xo*\xt II Kor 6:5\xt*\x*san manje, nan fredi e \x + \xo 11:27 \xo*\xt I Kor 4:11\xt*\x*san rad. \p \v 28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou \x + \xo 11:28 \xo*\xt I Kor 7:17\xt*\x*tout legliz yo. \v 29 Kilès ki vin \x + \xo 11:29 \xo*\xt I Kor 8:9,13\xt*\x*fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen. \p \v 30 Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a \x + \xo 11:30 \xo*\xt I Kor 2:3\xt*\x*feblès mwen. \v 31 Bondye e Papa a Senyè a Jésus \x + \xo 11:31 \xo*\xt Wo 1:25\xt*\x*Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti. \v 32 Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen. \v 33 Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen \x + \xo 11:33 \xo*\xt Trav 9:25\xt*\x*pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li. \c 12 \p \v 1 Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak \x + \xo 12:1 \xo*\xt I Kor 14:6\xt*\x*revelasyon Senyè a. \v 2 Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan \x + \xo 12:2 \xo*\xt Det 10:14\xt*\x*twazyèm syèl la. \v 3 Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen \x + \xo 12:3 \xo*\xt II Kor 11:11\xt*\x*(Bondye konnen), \v 4 jan li te \x + \xo 12:4 \xo*\xt Éz 8:3\xt*\x*rale anwò nan \x + \xo 12:4 \xo*\xt Luc 23:43\xt*\x*Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmèt pou l pale. \v 5 Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a \x + \xo 12:5 \xo*\xt I Kor 2:3\xt*\x*feblès mwen. \v 6 Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; \x + \xo 12:6 \xo*\xt II Kor 7:14\xt*\x*paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen. \v 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon \x + \xo 12:7 \xo*\xt Nonb 33:55\xt*\x*pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. \v 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a \x + \xo 12:8 \xo*\xt Mat 26:44\xt*\x*twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. \v 9 Men Li te di mwen: \wj “Lagras mwen sifi pou ou, paske \wj*\x + \xo 12:9 \xo*\xt I Kor 2:5\xt*\x*\wj pouvwa a vin konplè nan feblès”. \wj* Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen. \p \v 10 Konsa \x + \xo 12:10 \xo*\xt Wo 8:35\xt*\x*mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs. \v 11 Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske \x + \xo 12:11 \xo*\xt II Kor 11:5\xt*\x*nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre \x + \xo 12:11 \xo*\xt I Kor 3:7\xt*\x*mwen menm, mwen pa anyen. \v 12 \x + \xo 12:12 \xo*\xt Jn 4:48\xt*\x*Sign a yon vrè apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo. \v 13 Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou \x + \xo 12:13 \xo*\xt II Kor 11:7\xt*\x*mal sa a. \p \v 14 Sa fè pou \x + \xo 12:14 \xo*\xt II Kor 13:1,2\xt*\x*yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo. \v 15 Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. \x + \xo 12:15 \xo*\xt II Kor 11:11\xt*\x*Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens? \v 16 Men malgre jan sa kapab ye a \x + \xo 12:16 \xo*\xt II Kor 11:9\xt*\x*mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz. \v 17 \x + \xo 12:17 \xo*\xt II Kor 9:5\xt*\x*Éske mwen te pran avantaj sou nou, swa fè kòb sou nou atravè okenn nan sila ke mwen te voye bannou yo? \v 18 Mwen \x + \xo 12:18 \xo*\xt II Kor 8:6\xt*\x*te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye \x + \xo 12:18 \xo*\xt II Kor 8:18\xt*\x*frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo? \p \v 19 Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite \x + \xo 12:19 \xo*\xt II Kor 2:17\xt*\x*se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa \x + \xo 12:19 \xo*\xt Wo 14:19\xt*\x*pou edifikasyon nou, byeneme yo. \v 20 Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi \x + \xo 12:20 \xo*\xt Gal 5:20\xt*\x*move jan, dispit, kout lang \x + \xo 12:20 \xo*\xt Wo 1:29\xt*\x*tripotay, awogans, ak tapaj. \v 21 Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki \x + \xo 12:21 \xo*\xt II Kor 13:2\xt*\x*te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de \x + \xo 12:21 \xo*\xt I Kor 6:9,18\xt*\x*salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo. \c 13 \p \v 1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. \x + \xo 13:1 \xo*\xt Det 17:6\xt*\x*“Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” \v 2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap \x + \xo 13:2 \xo*\xt II Kor 1:23\xt*\x*epagne pèsòn. \v 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men \x + \xo 13:3 \xo*\xt II Kor 9:8\xt*\x*byen pwisan nan nou. \v 4 Paske malgre Li te \x + \xo 13:4 \xo*\xt Fil 2:7\xt*\x*krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de \x + \xo 13:4 \xo*\xt I Kor 6:14\xt*\x*pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou. \p \v 5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. \x + \xo 13:5 \xo*\xt I Kor 11:28\xt*\x*Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? \v 6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la. \p \v 7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. \v 8 Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. \v 9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab \x + \xo 13:9 \xo*\xt I Kor 1:10\xt*\x*vin konplè. \v 10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen \x + \xo 13:10 \xo*\xt Tit 1:3\xt*\x*itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi. \p \v 11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte \x + \xo 13:11 \xo*\xt Wo 12:16\xt*\x*vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. \v 12 \x + \xo 13:12 \xo*\xt Wo 16:16\xt*\x*Salye youn lòt avèk yon beze ki sen. \p \v 13 \x + \xo 13:13 \xo*\xt Fil 4:22\xt*\x*Tout sen yo salye nou. \p \v 14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak \x + \xo 13:14 \xo*\xt Fil 2:1\xt*\x*dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.