\id 2CH \ide UTF-8 \h II Kwonik Yo \toc1 DEZYÈM LIV KWONIK YO \toc2 II Kwonik Yo \toc3 II Kwo \mt1 II KWONIK YO \c 1 \p \v 1 Alò \x + \xo 1:1 \xo*\xt I Wa 2:12-46\xt*\x*Salomon, fis a David la te etabli li menm byen solid sou wayòm li an. SENYÈ a, Bondye li a, te avèk li e Li te egzalte li anpil. \p \v 2 Salomon te pale a tout Israël, \x + \xo 1:2 \xo*\xt I Kwo 28:1\xt*\x*a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo. \v 3 Konsa, Salomon avèk tout asanble a avèk li menm te monte nan \x + \xo 1:3 \xo*\xt I Wa 3:4\xt*\x*wo plas ki te Gabaon an; paske \x + \xo 1:3 \xo*\xt Egz 36:8\xt*\x*tant asanble a Bondye ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te fè nan dezè a, te la. \v 4 Sepandan, David te gen tan mennen fè monte \x + \xo 1:4 \xo*\xt I Kwo 15:25-28\xt*\x*lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem. \v 5 Alò, \x + \xo 1:5 \xo*\xt Egz 31:9\xt*\x*lotèl an bwonz ke Betsaleel, fis a Uri a, te fè a te la devan tabènak SENYÈ a, e Salomon avèk asanble a te chache jwenn li. \v 6 Salomon te monte la devan SENYÈ a kote lotèl an bwonz nan tant asanble a, e li te \x + \xo 1:6 \xo*\xt I Wa 3:4\xt*\x*ofri yon mil ofrann brile sou li. \p \v 7 \x + \xo 1:7 \xo*\xt I Wa 3:5-14\xt*\x*Nan lannwit, Bondye te parèt a Salomon. Li te di l: “Mande M sa pou M ta ba ou.” \p \v 8 Salomon te reponn a Bondye: “Ou te aji avèk papa m David avèk anpil lanmou dous, e Ou \x + \xo 1:8 \xo*\xt I Kwo 28:5\xt*\x*te fè m wa nan plas li. \v 9 Koulye a, O SENYÈ Bondye, \x + \xo 1:9 \xo*\xt II Sam 7:12-16\xt*\x*Sa Ou te pwomèt a papa m nan, David, akonpli. Paske Ou te fè m wa sou yon pèp ki gran an kantite tankou pousyè latè. \v 10 \x + \xo 1:10 \xo*\xt I Wa 3:9\xt*\x*Koulye a, ban mwen sajès avèk konesans, pou m kab antre sòti devan pèp sa a, paske se kilès ki kab gouvène gran pèp Ou sa a?” \p \v 11 \x + \xo 1:11 \xo*\xt I Wa 3:11\xt*\x*Bondye te di a Salomon: “Akoz ou te gen sa nan tèt ou e ou pa t mande richès, ni byen, ni lonè, ni lavi a sila ki rayi ou yo, ni ou pa t menm mande pou yon vi long, men ou te mande pou kont ou sajès pou ou ta kab gouvène pèp Mwen an, sou sila Mwen te fè ou wa a, \v 12 sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi \x + \xo 1:12 \xo*\xt I Kwo 29:25\xt*\x*Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.” \p \v 13 \x + \xo 1:13 \xo*\xt II Kwo 1:3\xt*\x*Konsa, Salomon te sòti nan kote wo ki te Gabaon an, li te soti nan tant asanble a, pou rive Jérusalem; e li te renye sou tout Israël. \p \v 14 \x + \xo 1:14 \xo*\xt I Wa 10:26-29\xt*\x*Salomon te vin gen cha avèk chevalye. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan vil cha yo epi ak wa a nan Jérusalem. \v 15 \x + \xo 1:15 \xo*\xt I Wa 10:27\xt*\x*Wa a te fè \x + \xo 1:15 \xo*\xt Det 17:17\xt*\x*ajan avèk lò vin an kantite Jérusalem, menm jan avèk wòch, e li te fè bwa sèd vin anpil tankou bwa sikomò nan ba plèn nan. \v 16 \x + \xo 1:16 \xo*\xt Det 17:16\xt*\x*Cheval Salomon yo te enpòte soti an Égypte ak Kue. Komèsan a wa yo te achte yo nan Kue. \v 17 Yo te enpòte cha yo soti an Égypte pou sis-san sik ajan chak, cheval yo pou san-senkant chak, e pa menm mwayen an, yo te fè distribisyon a tout wa Etyen yo avèk wa Siryen yo. \c 2 \p \v 1 \x + \xo 2:1 \xo*\xt I Wa 5:5\xt*\x*Alò, Salomon te deside bati yon kay pou non SENYÈ a ak yon palè wayal pou pwòp tèt li. \v 2 Pou sa, \x + \xo 2:2 \xo*\xt I Wa 5:15-16\xt*\x* Salomon te chwazi swasann-di-mil mesye pou pote chaj, katreven-mil mesye pou taye wòch nan mòn yo, e twa-mil-sis-san pou sipèvize. \p \v 3 \x + \xo 2:3 \xo*\xt I Wa 5:2-11\xt*\x* Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: \x + \xo 2:3 \xo*\xt I Kwo 14:1 \xt*\x*“Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen. \v 4 Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri \x + \xo 2:4 \xo*\xt Egz 29:38-42\xt*\x*ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, \x + \xo 2:4 \xo*\xt Nonb 28:9-10\xt*\x*nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël. \p \v 5 “Kay ke m prè pou bati a va tèlman gran; paske \x + \xo 2:5 \xo*\xt Egz 15:11\xt*\x*pi gran se Bondye pa nou an, ke tout lòt dye yo. \v 6 Men se \x + \xo 2:6 \xo*\xt I Wa 8:27\xt*\x*kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L. \p \v 7 “Alò, voye ban mwen yon nonm abil pou travay an lò, ajan, bwonz, fè ak an twal mov, kramwazi, avèk vyolèt e yon nonm ki konn grave, pou travay avèk mesye kapab \x + \xo 2:7 \xo*\xt I Kwo 22:15\xt*\x*ke m genyen Juda avèk Jérusalem, ke papa m, David te chwazi yo. \p \v 8 “Anplis, \x + \xo 2:8 \xo*\xt I Wa 5:6\xt*\x*voye ban mwen bwa sèd, bwa sipre, avèk bwa sandal; twòn yo k ap sòti nan Liban, paske mwen konnen ke sèvitè ou yo konnen jan pou yo koupe bwa Liban yo. Èpi anverite, sèvitè mwen yo va travay avèk sèvitè pa w yo, \v 9 pou prepare bwa konstriksyon pou mwen an gran kantite. Pwiske kay ke mwen prè pou bati a va yon gran mèvèy. \v 10 Alò, gade byen, \x + \xo 2:10 \xo*\xt I Wa 5:11\xt*\x*mwen va bay a sèvitè ou yo, mesye forè ki koupe bwa konstriksyon yo, ven-mil barik ble kraze ven-mil barik lòj, ven-mil galon diven avèk ven-mil galon lwil.” \p \v 11 Huram, wa Tyr la, te reponn nan yon lèt voye bay Salomon: \x + \xo 2:11 \xo*\xt I Wa 10:9\xt*\x*“Akoz SENYÈ a renmen pèp Li a, Li te fè ou wa sou yo.” \v 12 Konsa, Huram te kontinye: “Beni se \x + \xo 2:12 \xo*\xt Sòm 33:6\xt*\x*SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te fè syèl la avèk tè a, ki te bay Wa David yon fis ki saj, plen avèk pridans, avèk bon konprann, ki va bati yon kay pou SENYÈ a, avèk yon palè wayal pou li menm. \p \v 13 “Alò, mwen ap voye Huramabi, yon nonm abil avèk anpil bon konprann, \v 14 \x + \xo 2:14 \xo*\xt I Wa 7:14\xt*\x*fis a yon fanm a Dan avèk yon papa a Tyriens, ki konnen jan pou travay an lò, ajan, bwonz, fè, wòch ak bwa; anplis, avèk twal mov, vyolèt, materyo wouj, pou fè tout kalite bagay grave yo, pou swiv nenpòt plan ke li resevwa, pou travay avèk mesye a kapasite pa w yo, avèk sila a mèt mwen, ak papa ou, David. \p \v 15 “Alò, pou sa, kite mèt mwen an voye kote sèvitè li yo ble avèk lòj, lwil ak diven \x + \xo 2:15 \xo*\xt II Kwo 2:10\xt*\x*sou sa li te pale yo. \v 16 \x + \xo 2:16 \xo*\xt I Wa 5:8-9\xt*\x*Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.” \p \v 17 Salomon te fè kontwòl a tout etranje ki te nan peyi Israël yo, pou swiv gran kontwòl ke papa li, David te fè a; epi yo te jwenn san-senkant-twa-mil-sis-san moun. \v 18 \x + \xo 2:18 \xo*\xt II Kwo 2:2\xt*\x*Li te chwazi swasann-di-mil nan yo pou pote chaj yo, katreven mil nan yo pou taye wòch nan mòn yo e twa-mil-sis-san sipèvizè pou fè moun yo travay. \c 3 \p \v 1 \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Wa 6:1\xt*\x*Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Kwo 21:8\xt*\x*sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an. \v 2 Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a. \v 3 Alò, sila yo se fondasyon ke \x + \xo 3:3 \xo*\xt I Wa 6:2\xt*\x*Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude. \v 4 Galri ki te devan kay la te \x + \xo 3:4 \xo*\xt I Wa 6:3\xt*\x*menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven. Pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi. \v 5 Li te kouvri \x + \xo 3:5 \xo*\xt I Wa 6:17\xt*\x*gran chanm nan avèk bwa sipre. Li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn. \v 6 Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm. \v 7 Anplis, \x + \xo 3:7 \xo*\xt I Wa 6:20-22 \xt*\x*li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo, epi li te \x + \xo 3:7 \xo*\xt I Wa 6:29-35 \xt*\x*grave cheriben yo sou mi yo. \p \v 8 Alò, li te fè \x + \xo 3:8 \xo*\xt Egz 26:33\xt*\x*chanm ki pi sen pase tout lòt yo. Longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude, e lajè li te ven koude. Li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan lò. \v 9 Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri \x + \xo 3:9 \xo*\xt I Kwo 28:11\xt*\x*chanm anlè yo avèk lò. \p \v 10 Li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò. \v 11 Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude. Zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an. \v 12 Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi kay la, epi lòt zèl senk koude a te tache a zèl premye cheriben an. \v 13 Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude, e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan. \v 14 Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj, e li te fè desen cheriben yo sou li. \p \v 15 Anplis, li te fè \x + \xo 3:15 \xo*\xt I Wa 7:15-20 \xt*\x*de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude. \v 16 Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a. Li te plase yo sou tèt pilye yo. Li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo. \v 17 \x + \xo 3:17 \xo*\xt I Wa 7:21\xt*\x*Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, epi li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz. \c 4 \p \v 1 Apre, \x + \xo 4:1 \xo*\xt Egz 27:1-2\xt*\x*li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè. \v 2 \x + \xo 4:2 \xo*\xt I Wa 7:23-26\xt*\x*Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude. \v 3 Yon estati sanblab a bèf yo te anba li, e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès. \v 4 Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid, e twa avèk fas yo vè lès. Epi lanmè li te poze sou yo, e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan. \v 5 Li te gen episè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat. \v 6 Anplis, \x + \xo 4:6 \xo*\xt Egz 30:17-21\xt*\x*li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann. \p \v 7 Li te fè \x + \xo 4:7 \xo*\xt Egz 25:31-40\xt*\x*dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la. \v 8 Anplis, li te fè \x + \xo 4:8 \xo*\xt I Wa 7:48\xt*\x*dis tab e te plase yo nan tanp lan, senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la. Epi li te fè san bòl an lò. \v 9 Li te fè \x + \xo 4:9 \xo*\xt I Wa 6:36\xt*\x*lakou prèt yo avèk \x + \xo 4:9 \xo*\xt II Wa 21:5\xt*\x*gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz. \v 10 \x + \xo 4:10 \xo*\xt I Wa 7:39\xt*\x*Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès. \p \v 11 Anplis, \x + \xo 4:11 \xo*\xt I Wa 7:40-51\xt*\x*Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo. \p Konsa, Huram te fin fè travay ke li te fè pou Salomon lakay Bondye a: \v 12 de pilye yo, bòl yo, de gran tèt pilye sou pilye yo ak de sistèm griyaj treyi yo pou kouvri de bòl a tèt pilye ki te chita sou pilye yo, \v 13 epi \x + \xo 4:13 \xo*\xt I Wa 7:20\xt*\x*kat-san grenad pou de sistèm griyaj yo, de ranje grenad pou chak sistèm griyaj pou kouvri de tèt pilye ki te sou pilye yo. \v 14 \x + \xo 4:14 \xo*\xt I Wa 7:27-43\xt*\x*Anplis, li te fè baz ak basen sou baz yo, \v 15 ak yon sèl lanmè avèk douz bèf yo anba li. \v 16 Bokit yo, pèl yo, fouchèt yo ak tout zouti li yo, \x + \xo 4:16 \xo*\xt I Wa 7:14\xt*\x*Huram te fè yo avèk bwonz poli pou wa Salomon pou kay SENYÈ a. \v 17 Nan plèn Jourdain an, Wa a te fonn yo nan tè ajil ki te antre Succoth avèk Tseréda a. \v 18 \x + \xo 4:18 \xo*\xt I Wa 7:47\xt*\x*Konsa, Salomon te fè tout zouti sila yo an gran kantite, jis pwa a bwonz lan pa t kab detèmine. \p \v 19 Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: lotèl an lò a, \x + \xo 4:19 \xo*\xt II Kwo 4:8\xt*\x*tab yo avèk pen prezans lan sou yo, \v 20 chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a; \v 21 flè yo, lanp yo ak pens dife yo an lò byen rafine nèt; \v 22 epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo, epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a, ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò. \c 5 \p \v 1 \x + \xo 5:1 \xo*\xt I Wa 7:51\xt*\x*Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a. \p \v 2 \x + \xo 5:2 \xo*\xt I Wa 8:1-9\xt*\x*Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion. \v 3 \x + \xo 5:3 \xo*\xt I Wa 8:2\xt*\x*Tout mesye Israël yo te rasanble yo kote wa a nan fèt ki te nan setyèm mwa a. \v 4 Konsa, tout ansyen Israël yo te vini. \x + \xo 5:4 \xo*\xt Jos 3:6\xt*\x*Levit yo te leve pran lach la. \v 5 Yo te mennen lach la fè l monte avèk tant asanble a ak tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt Levit yo te mennen fè yo monte. \v 6 Epi Wa Salomon avèk tout asanble Israël ki te rasanble avèk li devan lach yo, t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab kontwole ni konte. \v 7 Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo. \v 8 Paske cheriben yo te lonje zèl yo sou plas lach la, jiskaske cheriben yo te fè yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo. \v 9 Poto yo te tèlman long ke \x + \xo 5:9 \xo*\xt I Wa 8:8-9\xt*\x*pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a. \v 10 Pa t gen anyen nan lach la sof ke \x + \xo 5:10 \xo*\xt Det 10:2-5\xt*\x*de tablo ke Moïse te mete ladann nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo lè yo te sòti an Égypte la. \p \v 11 Lè prèt yo te vin sòti nan kote pi sen pase tout lòt kote yo, (paske tout prèt ki te prezan yo te deja sanktifye yo menm san kontwole \x + \xo 5:11 \xo*\xt I Kwo 24:1-5\xt*\x*divizyon sèvis pa yo), \v 12 epi tout chantè Levit yo, \x + \xo 5:12 \xo*\xt I Kwo 25:1-4\xt*\x*Asaph, Héman, Jeduthun, fis pa yo avèk fanmi pa yo, te abiye an twal len fen, avèk senbal, ap, gita, yo te kanpe nan kote lès a otèl la e avèk yo, san-ven prèt ki t ap \x + \xo 5:12 \xo*\xt II Kwo 7:6\xt*\x*soufle twonpèt yo, \v 13 ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye pa\x + \xo 5:13 \xo*\xt I Kwo 16:42\xt*\x*twonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di: \q1 “Paske Li bon, \q1 lanmou dous Li a dire pou tout tan!” \m Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj, \v 14 jiskaske prèt yo pa t kab kanpe pou fè sèvis akoz nwaj la. Paske \x + \xo 5:14 \xo*\xt Egz 40:35\xt*\x*glwa SENYÈ a te ranpli kay Bondye a. \c 6 \p \v 1 \x + \xo 6:1 \xo*\xt I Wa 8:12-50\xt*\x*Epi Salomon te di: \q1 “SENYÈ a te di ke Li ta \q1 abite nan nwaj fonse a. \q1 \v 2 Mwen te bati yon kay byen wo \q1 ak yon plas pou abitasyon pa W \q1 Jis pou tout tan.” \p \v 3 Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe. \p \v 4 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch Li a papa m, David, e ki te acheve sa avèk men Li, lè li te di: \v 5 ‘Depi jou ke M te mennen pèp Mwen an sòti nan peyi Égypte la, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou bati yon kay pou non Mwen ta kapab la, ni Mwen pa t chwazi yon moun kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël; \v 6 men \x + \xo 6:6 \xo*\xt II Kwo 12:13\xt*\x*Mwen te chwazi Jérusalem pou non Mwen ta kapab la, e Mwen \x + \xo 6:6 \xo*\xt I Kwo 28:4\xt*\x*te chwazi David pou li kapab sou pèp Mwen an, Israël.’ \v 7 \x + \xo 6:7 \xo*\xt I Wa 5:3\xt*\x*Alò, li te nan kè a papa m, David, pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. \v 8 Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati kay pou non Mwen an, ou te fè byen lè sa te nan kè ou a. \v 9 Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm, li va bati kay la pou non Mwen.’” \p \v 10 “Koulye a, SENYÈ a gen tan fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske mwen te monte nan plas a papa m David, pou chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pale a, e te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. \v 11 La, mwen te mete lach \x + \xo 6:11 \xo*\xt II Kwo 5:7-10\xt*\x*ki gen akò SENYÈ a ladann nan, akò ke Li te fè avèk fis Israël yo.” \p \v 12 Konsa, li te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li. \v 13 Alò, Salomon te fè yon etaj an bwonz, senk koude nan longè, senk koude nan lajè ak twa koude nan wotè e li te plase li nan mitan gran lakou a. Epi li te kanpe sou li, li \x + \xo 6:13 \xo*\xt I Wa 8:54\xt*\x*te mete li ajenou nan prezans a tout asanble Israël la, e li te lonje men li vè syèl la. \v 14 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, \x + \xo 6:14 \xo*\xt Egz 15:11\xt*\x*nanpwen dye tankou Ou nan syèl la ni sou tè a, k ap \x + \xo 6:14 \xo*\xt Det 7:9\xt*\x*kenbe akò avèk lanmou dous avèk sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo; \v 15 \x + \xo 6:15 \xo*\xt I Kwo 22:9-10\xt*\x*ki te kenbe pawòl avèk sèvitè Ou, David, papa m, nan sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite, Ou te pale avèk bouch Ou, e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye jodi a. \p \v 16 “Pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, sa ke ou te pwomèt li a. Ou te di: \x + \xo 6:16 \xo*\xt I Wa 2:4\xt*\x*‘Ou p ap manke yon nonm ki pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo fè atansyon nan chemen yo, pou mache nan lalwa pa Mwen, jan ou te mache devan M nan.’ \v 17 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kite pawòl Ou konfime nan sa Ou te pale a sèvitè Ou a, David. \p \v 18 “Men \x + \xo 6:18 \xo*\xt Sòm 113:5-6 \xt*\x*èske Bondye va vrèman rete avèk lòm sou tè a? Gade byen, syèl la avèk pi wo syèl la pa kab kenbe Ou; bokou mwens, pou kay sa a ke m te konstwi a. \v 19 Malgre sa, prete atansyon a lapriyè a sèvitè Ou a, avèk sa li mande a, O SENYÈ Bondye mwen an, pou koute lè m kriye ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou; \v 20 pou zye Ou kapab ouvri vè kay sa a lajounen kon lannwit, vè \x + \xo 6:20 \xo*\xt Det 12:11\xt*\x*plas sou sila Ou te di ke Ou ta mete non Ou la, pou koute lapriyè ke sèvitè Ou a va fè vè plas sa a. \v 21 Koute a siplikasyon a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël, lè yo priye vè plas sa a; koute depi nan abitasyon Ou an, nan syèl la; \x + \xo 6:21 \xo*\xt És 43:25\xt*\x* e lè Ou koute, padone. \p \v 22 “Si yon nonm peche kont vwazen li, pou li oblije sèmante e li vin fè yon sèman devan lotèl Ou nan kay sila a, \v 23 alò, tande soti nan syèl la e aji pou jije sèvitè Ou yo, avèk \x + \xo 6:23 \xo*\xt És 3:11\xt*\x*pinisyon pou mechan an k ap fè chemen pa li vin tonbe sou pwòp tèt li, epi pou rann jistis a sila ki dwat yo e ba li selon ladwati li. \p \v 24 “Si pèp Ou a ta vin bat devan yon lènmi akoz \x + \xo 6:24 \xo*\xt Sòm 51:4\xt*\x*peche ke yo konn fè kont Ou, e yo retounen kote Ou pou konfese non Ou; si yo priye devan Ou e fè siplikasyon devan Ou nan kay sa a, \v 25 alò, koute soti nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a, Israël. Mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay a yo menm avèk zansèt pa yo. \p \v 26 “Lè \x + \xo 6:26 \xo*\xt I Wa 17:1\xt*\x*syèl yo vin fèmen e nanpwen lapli akoz peche ke yo fè kont Ou, si yo fè lapriyè vè plas sa a e konfese non Ou, pou yo vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo; \v 27 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, \x + \xo 6:27 \xo*\xt Sòm 94:12\xt*\x*enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la. \p \v 28 “Si gen \x + \xo 6:28 \xo*\xt II Kwo 20:9\xt*\x*gwo grangou nan peyi a, si se gwo maladi, si gen gwo dega jaden ak bèt, oswa kanni, si gen krikèt oswa bèt volan, si lènmi yo fè syèj a yo menm nan teren vil yo, nenpòt toumant, nenpòt maladi, \v 29 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Ou a, Israël, chak moun ki konnen pwòp soufrans li ak pwòp doulè li e ki vin ouvri men li vè kay sila a, \v 30 nan lè sa a, koute depi nan syèl la, abitasyon pa Ou a, epi padone e bay a chak moun selon pwòp chemen li, kè a sila Ou konnen yo \x + \xo 6:30 \xo*\xt I Sam 16:7\xt*\x*(paske Ou menm sèl konnen kè a fis a lòm yo), \v 31 pou yo ta kapab gen lakrent Ou, pou mache nan chemen Ou yo pou tout tan ke yo rete nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo. \p \v 32 “Anplis, selon \x + \xo 6:32 \xo*\xt És 56:3-8\xt*\x*etranje ki pa sòti nan pèp Ou a, Israël, lè li sòti nan yon peyi lwen, akoz gran non pa Ou, avèk men pwisan Ou ak bwa Ou ki lonje byen ouvri a, lè yo vini fè lapriyè vè kay sila a, \v 33 alò, koute depi nan syèl la, depi abitasyon Ou a, e fè selon tout sa ke etranje sila a vin mande Ou, jis pou tout pèp sou latè yo kapab konnen non Ou e gen lakrent ou, jan pèp Israël Ou a konn fè a, pou yo kapab rekonèt ke kay sila ke m te bati a \x + \xo 6:33 \xo*\xt II Kwo 7:14\xt*\x*rele pa non Ou. \p \v 34 “Lè pèp Ou a sòti pou batay kont lènmi yo, pa nenpòt chemen ke Ou ta voye yo, e yo priye a Ou menm vè vil sila ke Ou te chwazi ak kay ke m te bati pou non Ou a, \v 35 nan lè sa a, koute lapriyè yo soti nan syèl la avèk siplikasyon yo, e bay soutyen a koz pa yo. \p \v 36 “Lè yo fè peche kont Ou \x + \xo 6:36 \xo*\xt Job 15:14-16\xt*\x*(paske nanpwen lòm ki pa peche), epi Ou fache avèk yo jis Ou livre yo a yon lènmi, e yo pran yo mete an kaptivite nan yon peyi lwen, oswa pre; \v 37 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’ \v 38 \x + \xo 6:38 \xo*\xt Jr 29:12-13\xt*\x*si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a, \v 39 alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou. \p \v 40 “Koulye a, O Bondye mwen, mwen priye, \x + \xo 6:40 \xo*\xt Né 1:6-11\xt*\x*kite zye Ou louvri e \x + \xo 6:40 \xo*\xt Sòm 17:1\xt*\x*zòrèy ou vin atantif a lapriyè sa a, ki fèt nan plas sa a. \p \v 41 \x + \xo 6:41 \xo*\xt Sòm 132:8-9\xt*\x*“Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon. \p \v 42 “O SENYÈ Bondye, pa vire kite fas a onksyone pa Ou a. \x + \xo 6:42 \xo*\xt Sòm 132:10-12\xt*\x*Sonje lanmou dous Ou vè sèvitè Ou a, David.” \c 7 \p \v 1 \x + \xo 7:1 \xo*\xt I Wa 8:54\xt*\x*Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, \x + \xo 7:1 \xo*\xt Lev 9:23\xt*\x*dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la. \v 2 \x + \xo 7:2 \xo*\xt II Kwo 5:14\xt*\x*Prèt yo pa t kab antre lakay SENYÈ a akoz glwa SENYÈ a te ranpli kay la. \v 3 Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: \q1 \x + \xo 7:3 \xo*\xt II Kwo 5:13\xt*\x*“Konsa Li bon, \q1 paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,” \p \v 4 \x + \xo 7:4 \xo*\xt I Wa 8:62-63\xt*\x*Epi wa a avèk tout pèp la te ofri sakrifis devan SENYÈ a. \v 5 Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a. \v 6 Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e \x + \xo 7:6 \xo*\xt I Kwo 15:16-21\xt*\x*Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. \x + \xo 7:6 \xo*\xt II Kwo 5:12\xt*\x*Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe. \p \v 7 \x + \xo 7:7 \xo*\xt I Wa 8:64-66\xt*\x*Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la. \p \v 8 Konsa, \x + \xo 7:8 \xo*\xt I Wa 8:65\xt*\x*Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan \x + \xo 7:8 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*flèv Égypte la. \p \v 9 Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon \x + \xo 7:9 \xo*\xt Lev 23:36\xt*\x*asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou. \v 10 Epi sou venn-twazyèm jou nan setyèm mwa a, li te voye pèp la nan tant yo, ranpli avèk jwa e avèk kè kontan, akoz bonte ke SENYÈ a te montre a David, a Salomon e a pèp Li a, Israël. \p \v 11 \x + \xo 7:11 \xo*\xt Lev 23:36\xt*\x*Se konsa Salomon te fini kay SENYÈ a avèk palè wa a, e li te acheve nèt tout sa ke li te fè plan pou fè lakay SENYÈ a ak nan kay pa li a. \p \v 12 Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e \x + \xo 7:12 \xo*\xt Det 12:5-11\xt*\x*Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis. \p \v 13 \x + \xo 7:13 \xo*\xt II Kwo 6:26-28\xt*\x*“Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, \v 14 \x + \xo 7:14 \xo*\xt II Kwo 6:37-39\xt*\x*epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo. \v 15 \x + \xo 7:15 \xo*\xt II Kwo 6:20-40\xt*\x*Koulye a, zye M va louvri e zòrèy Mwen va vin atantif a lapriyè ki ofri nan plas sa a. \v 16 Paske \x + \xo 7:16 \xo*\xt II Kwo 7:12\xt*\x*koulye a, Mwen gen tan chwazi e konsakre kay sila a pou non Mwen kapab la jis pou tout tan. Zye Mwen ak kè Mwen va la pou tout tan. \p \v 17 “Epi pou ou menm, si ou mache devan M tankou papa ou, David te mache a, fè selon tout sa ke Mwen te kòmande ou yo, e kenbe règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, \v 18 alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: \x + \xo 7:18 \xo*\xt I Wa 2:4\xt*\x*‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’ \p \v 19 \x + \xo 7:19 \xo*\xt Lev 26:14-33\xt*\x*“Men si ou vire kite e abandone règleman Mwen yo, avèk kòmandman ke M te mete devan ou yo, pou ale sèvi lòt dye yo e adore yo, \v 20 alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo. \v 21 Epi pou kay sila a, ki egzalte tèlman wo, tout moun ki pase kote li va etone e va di: \x + \xo 7:21 \xo*\xt Det 29:24-27\xt*\x*“Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi sila a, e a kay sila a? \v 22 Epi konsa, yo va reponn: ‘Akoz \x + \xo 7:22 \xo*\xt Jij 2:13 \xt*\x*yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, ki te mennen yo soti nan peyi Égypte la, pou yo te adopte lòt dye yo, e te adore yo e te sèvi yo. Se pou sa, Li te mennen tout mal sila a sou yo.’” \c 8 \p \v 1 \x + \xo 8:1 \xo*\xt I Wa 9:10-28\xt*\x*Alò, li te vin rive nan fen ven ane pandan sila yo Salomon te bati kay SENYÈ a avèk pwòp kay li a, \v 2 ke li te fin bati vil ke Huram te ba li yo, e li te etabli Izrayelit yo ladann. \p \v 3 Epi Salomon te ale kote Hamath-Tsoba e te kaptire li. \v 4 Li te bati Thadmor nan dezè a ak tout vil depo ke li te bati nan Hamath yo. \v 5 Anplis, li te bati \x + \xo 8:5 \xo*\xt I Kwo 7:24\xt*\x*Wo Beth-Horon an avèk Ba Beth-Horon an, vil fòtifye avèk miray, pòtay ak fè fòje; \v 6 avèk Baalath ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, tout vil pou cha li yo avèk vil pou chevalye yo ak tout sa ki te fè kè Salomon kontan pou bati nan Jérusalem, nan Liban ak nan tout peyi ki te anba règleman li yo. \p \v 7 \x + \xo 8:7 \xo*\xt Jen 15:18-21\xt*\x*Tout moun nan pèp la ki te rete nan Etyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, avèk Jebizyen ki pa t yon pati nan Israël, \v 8 ki te sòti nan desandan pa yo ki te kite nan peyi, ke fis Israël yo pa t detwi yo, \x + \xo 8:8 \xo*\xt I Wa 4:6\xt*\x*yo menm, Salomon te fè yo leve kòm ouvriye kòve ki fèt jis rive jodi a. \v 9 Men Salomon pa t fè esklav pou travay li pami fis Israël yo. Yo te mesye lagè, chèf kapitèn li avèk kòmandan a cha li yo ak chevalye li yo. \v 10 Sila yo te chèf prensipal a Wa Salomon; de san senkant yo ki te dirijan sou pèp la. \p \v 11 Salomon te mennen fè monte \x + \xo 8:11 \xo*\xt I Wa 3:1\xt*\x*fi a Farawon an soti Jérusalem pou rive nan kay ke li te bati pou li a, paske li te di: “Madanm mwen p ap rete lakay David, wa Israël la, akoz plas yo kote lach SENYÈ a te ye a sen.” \p \v 12 Salomon te ofri ofrann brile bay SENYÈ a, sou \x + \xo 8:12 \xo*\xt II Kwo 4:1\xt*\x*lotèl ke li te bati devan galri a. \v 13 Sa te fèt selon règleman a chak jou. Li te ofri yo selon lòd Moïse pou Saba yo, nouvèl lin yo, fèt apwente yo twa fwa pa lan yo—Fèt Pen San Ledven an, Fèt Semèn Yo, ak Fèt Tonèl Yo. \p \v 14 Alò, selon règleman a papa li yo, David, li te chwazi divizyon a prèt yo pou sèvis pa yo, Levit yo pou devwa pa yo, pou fè lwanj e fè sèvis devan prèt yo selon règ a chak jou a, e gadyen pòtay pa divizyon pa yo nan chak pòtay. Paske se konsa \x + \xo 8:14 \xo*\xt Né 12:24-36\xt*\x*David, nonm Bondye a, te konn kòmande sa. \v 15 Epi yo pa t varye menm nan lòd wa a ak prèt yo avèk Levit yo nan okenn fason ki te konsène kay depo trezò yo. \p \v 16 Konsa, tout travay a Salomon an te akonpli depi jou lakay SENYÈ a te etabli a, jiskaske li te fini. Konsa, lakay SENYÈ a te konplete. \p \v 17 Konsa, Salomon te ale kote \x + \xo 8:17 \xo*\xt I Wa 9:26\xt*\x*Etsjon-Guéber ak Élath sou lanmè peyi Édom an. \v 18 Epi Huram, pa sèvitè li yo te voye bato kote li avèk sèvitè ki te konnen lanmè yo. Yo te ale avèk sèvitè a Salomon yo nan Ophir e yo te \x + \xo 8:18 \xo*\xt II Kwo 9:10-13\xt*\x*pran soti la, kat-san-senkant talan lò pou te pote yo kote Wa Salomon an. \c 9 \p \v 1 \x + \xo 9:1 \xo*\xt I Wa 10:1-13\xt*\x*Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li. \v 2 Salomon te reponn tout kesyon li yo. Anyen pa t kache a Salomon ke li pa t eksplike li. \v 3 Lè rèn Séba te fin wè sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, \v 4 manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf. \p \v 5 Li te di a wa a: “Se te verite; rapò ke m te tande nan pwòp peyi mwen konsènan pawòl avèk sajès ou. \v 6 Sepandan, mwen pa t kwè rapò yo jiskaske m te rive, e zye m vin wè. Epi vwala, mwatye a grandè a sajès yo pa t pale mwen sa. Ou depase rapò ke m te tande a. \v 7 Jan mesye pa ou yo beni, jan sèvitè ou yo ki kanpe devan ou tout tan pou tande sajès ou yo beni! \v 8 Beniswa SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou, e ki te mete ou sou twòn Li kòm wa pou SENYÈ a, Bondye ou a, \x + \xo 9:8 \xo*\xt Det 7:8\xt*\x*akoz Bondye ou a te renmen Israël, Li etabli yo jis pou tout tan. Pou sa, Li te fè ou wa sou yo, pou fè lajistis avèk ladwati.” \p \v 9 Apre sa, li te bay wa a san-ven talan lò avèk yon trè gran kantite epis avèk pyè presye. Pa t janm te kon gen epis kon sa yo ke rèn Séba te bay a Wa Salomon an. \p \v 10 Sèvitè a Huram yo avèk sèvitè a Salomon \x + \xo 9:10 \xo*\xt I Wa 10:11\xt*\x*ki te pote lò sòti nan Ophir yo, anplis te pote bwa sandal avèk pyè presye yo. \v 11 Avèk bwa sandal yo, wa a te fè eskalye pou kay SENYÈ a ak pou palè wa a ak gita, avèk ap pou chantè yo. Epi nanpwen bagay konsa ki te konn wè avan nan peyi Juda. \v 12 Wa Salomon te bay a rèn Séba tout dezi li nan sa li te mande, plis ke sa li te pote bay wa a. Alò, li te vire retounen nan peyi li avèk sèvitè li yo. \p \v 13 \x + \xo 9:13 \xo*\xt I Wa 10:14-28\xt*\x*Alò, pwa a lò ki te vini a Salomon nan en an te sis-san-swasann-sis talan an lò, \v 14 anplis de sa ke machann avèk komèsan yo te pote. \x + \xo 9:14 \xo*\xt Sòm 68:29\xt*\x*Tout wa Arabie avèk dirijan peyi sa yo te mennen lò avèk ajan bay Salomon. \v 15 Wa Salomon te fè de-san gran boukliye defans an lò bat, ki te sèvi sis-san sik lò nan chak gran boukliye. \v 16 Li te fè twa-san boukliye ki te sèvi twa-san sik lò sou chak boukliye e wa a te mete yo nan kay Forè Liban an. \v 17 Anplis, wa a te fè yon gran twòn avèk ivwa, e li te kouvri li avèk lò pi. \v 18 Te gen sis mach pye eskalye ki pou rive nan twòn nan ak yon mach pye eskalye an lò ki te tache a twòn nan, avèk manch nan chak kote chèz la, avèk de lyon ki te kanpe akote manch yo. \v 19 Douz lyon yo te kanpe la sou sis etap eskalye sou yon kote ak sou lòt la. Nanpwen anyen tankou li ki te fèt pou okenn lòt wayòm. \v 20 Tout veso pou bwè ke Salomon te genyen yo te fèt an lò, e tout veso nan kay Forè Liban an te lò pi. Ajan pa t konsidere kòm tèlman valab nan jou a Salomon yo. \v 21 \x + \xo 9:21 \xo*\xt II Kwo 20:36\xt*\x*Paske wa a te gen bato ki te konn ale Tarsis avèk sèvitè a Huram yo. Yon fwa chak twazan, bato Tarsis yo te antre avèk lò ak ajan, ivwa, makak ak zwazo pan yo. \p \v 22 \x + \xo 9:22 \xo*\xt I Wa 3:13\xt*\x*Konsa, Wa Salomon te vin pi gran pase tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès. \v 23 Epi tout wa latè yo t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès ke Bondye te mete nan kè li. \v 24 \x + \xo 9:24 \xo*\xt Sòm 72:10\xt*\x*Yo chak te pote pwòp kado pa yo: bagay an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval, milèt, an gran kantite ane pa ane. \v 25 Alò, Salomon te gen \x + \xo 9:25 \xo*\xt Det 17:16\xt*\x*kat-mil estasyon separe pou cheval avèk cha e douz-mil chevalye. Li te pozisyone yo nan vil cha yo ak kote wa a nan Jérusalem. \v 26 \x + \xo 9:26 \xo*\xt Jen 15:18\xt*\x*Li te mèt sou tout wa yo soti nan Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo, e jis rive nan lizyè Égypte la. \v 27 \x + \xo 9:27 \xo*\xt II Kwo 1:15-17\xt*\x*Wa a te fè ajan gaye tankou wòch Jérusalem, e li te fè sèd yo anpil tankou bwa sikomò ki nan ba plèn nan. \v 28 \x + \xo 9:28 \xo*\xt II Kwo 1:16\xt*\x*Yo te mennen cheval pou Salomon soti an Égypte avèk tout peyi yo. \p \v 29 \x + \xo 9:29 \xo*\xt I Wa 11:41-43\xt*\x*Alò, tout lòt zèv a Salomon yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, \x + \xo 9:29 \xo*\xt I Kwo 29:29\xt*\x*èske yo pa ekri nan rekò a Nathan yo, pwofèt la, nan pwofesi Achija a, Silonit lan, ak nan vizyon a Jéedo yo, konseye a Jéroboam nan, fis a Nebath la? \v 30 \x + \xo 9:30 \xo*\xt I Wa 11:42-43\xt*\x*Salomon te renye pandan karantan Jérusalem ak sou tout Israël. \v 31 Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil papa li, David. Fis li, Roboam te renye nan plas li. \c 10 \p \v 1 \x + \xo 10:1 \xo*\xt I Wa 12:1-20\xt*\x* Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa. \v 2 Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte. \v 3 Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di: \v 4 “Papa ou te fè fado \x + \xo 10:4 \xo*\xt I Wa 5:13-16\xt*\x*nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.” \p \v 5 Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.” \p Konsa, pèp la te ale. \p \v 6 Alò, Wa Roboam te fè \x + \xo 10:6 \xo*\xt Job 8:8-9\xt*\x*konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?” \p \v 7 Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e \x + \xo 10:7 \xo*\xt Pwov 15:1\xt*\x*pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.” \p \v 8 Men li te \x + \xo 10:8 \xo*\xt II Sam 17:4\xt*\x*echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l. \v 9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’” \p \v 10 Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m! \v 11 Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’” \p \v 12 Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.” \v 13 Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo. \v 14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.” \p \v 15 Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, \x + \xo 10:15 \xo*\xt I Wa 11:29-39\xt*\x*pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la. \p \v 16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: \x + \xo 10:16 \xo*\xt II Sam 20:1\xt*\x*“Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo. \p \v 17 Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo. \v 18 Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te \x + \xo 10:18 \xo*\xt I Wa 4:6\xt*\x*chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem. \v 19 Konsa, \x + \xo 10:19 \xo*\xt I Wa 12:19\xt*\x*Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a. \c 11 \p \v 1 \x + \xo 11:1 \xo*\xt I Wa 12:21-24\xt*\x*Alò, lè Roboam te vini Jérusalem. Li te rasanble lakay Juda avèk Benjamin, san-katre-ven-mil mesye byen chwazi ki te gèrye, pou goumen kont Israël pou reprann wayòm nan pou Roboam. \v 2 Men pawòl SENYÈ a te vini a \x + \xo 11:2 \xo*\xt II Kwo 12:5-7-15\xt*\x*Schemaeja, nonm Bondye a, Li te di: \v 3 “Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di: \v 4 ‘Konsa pale SENYÈ a: “Nou pa pou monte ni goumen kont \x + \xo 11:4 \xo*\xt II Kwo 28:8-11\xt*\x*fanmi pa nou yo! Retounen chak mesye yo lakay yo, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen pou yo pa sòti kont Jéroboam. \p \v 5 Roboam te viv Jérusalem, e li te \x + \xo 11:5 \xo*\xt II Kwo 8:2-6\xt*\x*bati vil pou fè defans nan Juda. \v 6 Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa, \v 7 Beth-Tsur, Soko, Adullam, \v 8 Gath, Maréscha, Ziph, \v 9 Adoraïm, Lakis, Azéka \v 10 Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin. \v 11 Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven. \v 12 Li te mete boukliye defans avèk lans nan chak vil yo, e li te byen fòtifye yo. Konsa, Juda avèk Benjamin te pou li. \p \v 13 Anplis, prèt avèk Levit ki te nan tout Israël yo te kanpe avèk li soti nan landwa pa yo. \v 14 Paske \x + \xo 11:14 \xo*\xt Nonb 35:2-5\xt*\x*Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a. \v 15 \x + \xo 11:15 \xo*\xt I Wa 12:31\xt*\x*Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo. \v 16 \x + \xo 11:16 \xo*\xt II Kwo 15:9\xt*\x*Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. \v 17 Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te \x + \xo 11:17 \xo*\xt II Kwo 12:1\xt*\x*bay soutyen a Roboam, fis Salomon nan pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan. \p \v 18 Alò, Roboam te pran kòm madanm li, Mahalath, fi a Jerimoth la, fis a David la avèk Abichaïl, fi a Éliab la, fis a Jesse a. \v 19 Li te fè fis yo: Jeusch, Schemaria, avèk Zaham. \v 20 Apre, li te pran \x + \xo 11:20 \xo*\xt I Wa 15:2\xt*\x*Maaca, fi a Absalom an. Li te fè pou li Abija, Attaï, Ziza, avèk Schelomith. \v 21 Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te \x + \xo 11:21 \xo*\xt Det 17:17\xt*\x*pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi. \v 22 Roboam te chwazi Abija, fis a Maaca a kòm chèf e dirijan pami frè li yo, paske li te gen entansyon fè l wa. \v 23 Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout teritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo. \c 12 \p \v 1 Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, \x + \xo 12:1 \xo*\xt II Kwo 26:13-16\xt*\x*li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a. \v 2 \x + \xo 12:2 \xo*\xt I Wa 14:25\xt*\x*Konsa, li te vin rive nan senkyèm ane a Roboam nan, akoz yo pa t fidèl a SENYÈ a, ke Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, \v 3 avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: \x + \xo 12:3 \xo*\xt II Kwo 16:8\xt*\x*Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo. \v 4 Li te kaptire \x + \xo 12:4 \xo*\xt II Kwo 11:5-12\xt*\x*vil fòtifye Juda yo, e li te rive jis Jérusalem. \v 5 Epi \x + \xo 12:5 \xo*\xt II Kwo 11:2 \xt*\x*Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’” \p \v 6 Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: \x + \xo 12:6 \xo*\xt Egz 9:27\xt*\x*“SENYÈ a jis.” \p \v 7 Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: \x + \xo 12:7 \xo*\xt I Wa 21:29\xt*\x*“Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak. \v 8 Men yo va devni esklav li, pou yo \x + \xo 12:8 \xo*\xt Det 28:47-48 \xt*\x*kab vin konprann antre sèvi Mwen ak sèvi wayòm lòt peyi yo.” \p \v 9 Konsa Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, e li te pran tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò nan palè wa a. Li te pran tout bagay. \v 10 Konsa, Wa Roboam te fè boukliye defans an bwonz pou ranplase yo, e li te mete yo anba pwotèj a kòmandan gad ki te gadyen pòtay lakay wa yo. \v 11 Depi wa a te antre lakay SENYÈ a, gad yo te pote yo vini, e apre, yo te mennen yo tounen nan chanm gad yo. \v 12 Epi lè li te fin imilye li, lakòlè SENYÈ a te vire kite li, pou l pa ta detwi nèt; epi anplis, \x + \xo 12:12 \xo*\xt II Kwo 19:3\xt*\x*tout bagay te mache byen an Juda. \p \v 13 \x + \xo 12:13 \xo*\xt I Wa 14:21\xt*\x*Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan. \v 14 Li te fè mal, \x + \xo 12:14 \xo*\xt II Kwo 19:3\xt*\x*paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a. \p \v 15 \x + \xo 12:15 \xo*\xt I Wa 14:29\xt*\x*Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a \x + \xo 12:15 \xo*\xt II Kwo 9:29\xt*\x*Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan. \v 16 Konsa, Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil David la. Epi fis li a, \x + \xo 12:16 \xo*\xt II Kwo 11:20\xt*\x*Abija te vin wa nan plas li. \c 13 \p \v 1 \x + \xo 13:1 \xo*\xt I Wa 15:1-2\xt*\x*Nan di-zuityèm ane Wa Jéroboam nan, Abijah te devni wa sou Juda. \v 2 Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. \x + \xo 13:2 \xo*\xt I Wa 15:7\xt*\x*Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam. \v 3 Abija te ouvri batay la avèk yon lame gèrye vanyan, kat-san-mil mesye byen chwazi, pandan Jéroboam t ap fè fòmasyon batay la kont li avèk ui-san-mil mesye byen chwazi, gèrye vanyan. \v 4 Abija te kanpe sou Mòn \x + \xo 13:4 \xo*\xt Jos 18:22\xt*\x*Tsemaraïm ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, e li te di: “Koute mwen, O Jéroboam avèk tout Israël: \v 5 Èske ou pa konnen ke \x + \xo 13:5 \xo*\xt II Sam 7:12-16\xt*\x*SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay pouvwa sou Israël jis pou tout tan a David avèk fis li yo pa \x + \xo 13:5 \xo*\xt Lev 2:13\xt*\x*yon sèl akò? \v 6 Men \x + \xo 13:6 \xo*\xt I Wa 11:26\xt*\x*Jéroboam, fis a Nebath la, sèvitè a Salomon an, fis a David la, te leve e te fè rebèl kont mèt li a. \v 7 Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè \x + \xo 13:7 \xo*\xt II Kwo 12:13\xt*\x*li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo. \p \v 8 “Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou \x + \xo 13:8 \xo*\xt I Wa 12:28\xt*\x*jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou. \v 9 \x + \xo 13:9 \xo*\xt II Kwo 11:14-15\xt*\x*Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo. \p \v 10 “Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm. \v 11 Chak maten e chak swa, \x + \xo 13:11 \xo*\xt Egz 29:38\xt*\x*yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li. \v 12 Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e \x + \xo 13:12 \xo*\xt Nonb 10:8-9\xt*\x*prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.” \p \v 13 Men Jéroboam \x + \xo 13:13 \xo*\xt Jos 8:4-9\xt*\x*te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo. \v 14 Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, \x + \xo 13:14 \xo*\xt II Kwo 14:11\xt*\x*yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo. \v 15 Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te \x + \xo 13:15 \xo*\xt II Kwo 14:12\xt*\x*boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda. \v 16 Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, \x + \xo 13:16 \xo*\xt II Kwo 16:8\xt*\x*Bondye te livre yo nan men yo. \v 17 Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri. \v 18 Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a \x + \xo 13:18 \xo*\xt II Kwo 14:11\xt*\x*akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. \v 19 Abija te kouri dèyè Jéroboam e te kaptire plizyè vil nan men li: Béthel avèk bouk pa li yo, Jeschana avèk bouk pa li yo, e Éphron avèk bouk pa li yo. \p \v 20 Jéroboam pa t ankò reprann fòs li nan jou a Abija yo. SENYÈ a te frape li e \x + \xo 13:20 \xo*\xt I Wa 14:20\xt*\x*li te vin mouri. \v 21 Men Abija te vin fò. Li te pran katòz madanm pou kont li, e li te devni papa a venn-de fis ak sèz fi. \v 22 Alò, tout lòt zèv Abija yo, avèk chemen pa li yo ekri nan memwa a \x + \xo 13:22 \xo*\xt II Kwo 9:29\xt*\x* pwofèt la, Iddo. \c 14 \p \v 1 \x + \xo 14:1 \xo*\xt I Wa 15:8\xt*\x*Konsa, Abija te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David la. Fis li a, Asa, te vin wa nan plas li. Peyi a te rete kalm e san pwoblèm pandan dizan pandan jou li yo. \v 2 Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a, \v 3 paske li te retire lotèl etranje yo avèk \x + \xo 14:3 \xo*\xt I Wa 15:12-14\xt*\x*wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk \x + \xo 14:3 \xo*\xt Egz 34:13\xt*\x*Asherim yo. \v 4 Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an. \v 5 Li te osi retire wo plas yo avèk \x + \xo 14:5 \xo*\xt II Kwo 34:4-7\xt*\x*lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li. \v 6 Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, \x + \xo 14:6 \xo*\xt II Kwo 15:15\xt*\x*akoz SENYÈ a te ba li repo. \v 7 Paske li te di a Juda: \x + \xo 14:7 \xo*\xt II Kwo 8:5\xt*\x*“Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi. \p \v 8 Alò, Asa te gen yon lame a \x + \xo 14:8 \xo*\xt II Kwo 13:3\xt*\x*twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj. \p \v 9 Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan \x + \xo 14:9 \xo*\xt II Kwo 11:8\xt*\x*Maréscha. \v 10 Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréschja a. \v 11 Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; \x + \xo 14:11 \xo*\xt II Kwo 13:18\xt*\x*paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.” \p \v 12 Konsa, \x + \xo 14:12 \xo*\xt II Kwo 13:15\xt*\x*SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale. \v 13 Asa avèk moun ki te avèk li yo te kouri dèyè yo jis rive \x + \xo 14:13 \xo*\xt Jen 10:19\xt*\x*Guérar. Yon tèlman gran kantite Etyopyen te tonbe ke yo pa t kab kanpe ankò; paske yo te kraze nèt devan SENYÈ a ak devan lame Li a. Lame Juda a te pote fè sòti yon trè gran piyaj. \v 14 Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, \x + \xo 14:14 \xo*\xt II Kwo 17:10\xt*\x*paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj. \v 15 Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem. \c 15 \p \v 1 Alò, \x + \xo 15:1 \xo*\xt II Kwo 20:14\xt*\x*Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la. \v 2 Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: \x + \xo 15:2 \xo*\xt II Kwo 20:17\xt*\x*SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou. \v 3 \x + \xo 15:3 \xo*\xt I Wa 12:28-33\xt*\x*Pandan anpil jou, Israël te kon san vrè Bondye a, san enstriksyon, san prèt e san lalwa. \v 4 Men \x + \xo 15:4 \xo*\xt Det 4:29\xt*\x*nan gran twoub yo, yo te vire kote SENYÈ a, Bondye Israël la. Yo te chache Li e yo te jwenn Li. \v 5 \x + \xo 15:5 \xo*\xt Jij 5:6\xt*\x*Nan tan sa yo, pa t gen lapè pou sila ki sòti, ni sila ki antre a, paske anpil gwo zen te twouble tout moun ki te rete nan peyi yo. \v 6 \x + \xo 15:6 \xo*\xt Mat 24:7\xt*\x*Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub. \v 7 Men nou menm, \x + \xo 15:7 \xo*\xt Jos 1:7-9\xt*\x*kenbe fèm e pa pèdi kouraj, paske gen rekonpans pou travay nou yo.” \p \v 8 Lè Asa te tande pawòl sila yo avèk pwofesi ke Azaria, fis a Obed la, te pale a, li te pran kouraj, e li te retire zidòl abominab yo soti nan tout peyi Juda avèk Benjamin yo, \x + \xo 15:8 \xo*\xt II Kwo 13:19\xt*\x*ak nan vil ke li te kaptire nan peyi kolin Éphraïm yo. \x + \xo 15:8 \xo*\xt II Kwo 4:1\xt*\x*Lè l fini, li te restore lotèl SENYÈ a ki te devan galri SENYÈ a. \v 9 Li te rasanble tout Juda avèk Benjamin avèk tout sila ki te sòti Éphraïm, Manassé ak Siméon yo, \x + \xo 15:9 \xo*\xt II Kwo 11:16\xt*\x*ki te rete avèk yo, paske anpil nan yo te vin jwenn li soti an Israël lè yo te wè ke SENYÈ a, Bondye a, te avèk li. \v 10 Konsa, yo te rasanble Jérusalem nan twazyèm mwa, nan kenzyèm ane, nan règn Asa a. \v 11 \x + \xo 15:11 \xo*\xt II Kwo 14:13-15\xt*\x*Yo te fè sakrifis bay SENYÈ a nan jou sa a, sèt-san bèf avèk sèt-mil mouton soti nan piyaj ke yo te pote a. \v 12 \x + \xo 15:12 \xo*\xt II Kwo 23:16\xt*\x*Yo te antre nan akò pou chache SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, avèk tout kè yo ak nanm yo; \v 13 epi ke nenpòt moun ki te refize chache SENYÈ a, Bondye Israël la, \x + \xo 15:13 \xo*\xt Egz 22:20\xt*\x*ta dwe mete a lanmò, piti kon gran, gason kon fanm. \v 14 Anplis, yo te fè yon sèman bay SENYÈ avèk yon gwo kri, avèk twonpèt e avèk ti twonpèt wo vwa a. \v 15 Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, \x + \xo 15:15 \xo*\xt II Kwo 14:7\xt*\x*SENYÈ a te ba yo repo tout kote. \p \v 16 \x + \xo 15:16 \xo*\xt I Wa 15:13-15\xt*\x*Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an. \v 17 Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo. \v 18 Li te pote lakay SENYÈ a tout bagay dedye ki te pou papa li ak bagay dedye ki te pou li yo: ajan avèk lò avèk zouti. \v 19 Epi pa t gen lagè ankò jis rive nan trann-senk ane règn a Asa a. \c 16 \p \v 1 Nan trann-sizyèm ane règn Asa a, \x + \xo 16:1 \xo*\xt I Wa 15:17-22\xt*\x*Baasha, wa a Israël la, te vin monte kont Juda, e li te ranfòse Rama pou anpeche ni antre, ni sòti, vè Asa, wa Juda a. \v 2 Konsa, Asa te pote fè sòti ajan avèk lò soti nan trezò lakay SENYÈ a avèk lakay wa a, e li te voye yo kote Ben-Hadad, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: \v 3 “Kite genyen yon alyans antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa m ak papa ou. Gade byen, mwen te voye ba ou ajan avèk lò. Ale, kraze alyans ou an avèk Baasha, wa Israël la, pou li retire li sou mwen.” \p \v 4 Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk \x + \xo 16:4 \xo*\xt Egz 1:11\xt*\x*tout vil depo Nephthali yo. \v 5 Lè Baasha te tande sa, li te sispann ranfòse Rama, e li te kite travay li. \v 6 Alò, Wa Asa te mennen tout Juda, yo te retire wòch Rama yo avèk gwo bwa ki t ap sèvi pou bati yo, e avèk yo, li te ranfòse Guéba avèk Mitspa. \p \v 7 Nan lè sa a, \x + \xo 16:7 \xo*\xt I Wa 16:1\xt*\x*Hanani, konseye a te vin kote Asa, wa Juda a. Li te di li: “Akoz ou te depann de wa Syrie a e ou pa t depann de SENYÈ a, Bondye ou a, pou sa, lame wa Syrie a gen tan chape nan men ou. \v 8 Èske Etyopyen yo avèk Libyen yo pa t yon lame ki vast avèk anpil cha ak chevalye? Men \x + \xo 16:8 \xo*\xt II Kwo 13:16-18\xt*\x*akoz ou te depann de SENYÈ a, Li te livre yo nan men ou. \v 9 Paske zye a SENYÈ mache toupatou sou latè pou Li kapab bay soutyen ki fò a sila \x + \xo 16:9 \xo*\xt II Kwo 15:17\xt*\x*ki gen kè dedye a Li nèt yo. Nou te aji an foli nan afè sa a. Anverite, depi koulye a, nou va toujou gen gè.” \p \v 10 Alò, Asa te fache avèk konseye a, e li te mete li nan prizon, paske li te anraje avèk li pou bagay sa a. Epi nan menm lè a, Asa te oprime kèk moun nan pèp la. \p \v 11 Alò, zèv Asa yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, veye byen, yo ekri nan Liv A Wa a Juda avèk Israël yo. \v 12 Nan trant-nevyèm ane règn li a, Asa te vin malad nan pye li. Maladi a te grav, men menm nan maladi a, \x + \xo 16:12 \xo*\xt Jr 17:5\xt*\x*li pa t chache SENYÈ a, men pito doktè. \v 13 Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt li yo lè l fin mouri nan karanteyinyèm ane règn pa li a. \v 14 Yo te antere li nan pwòp tonm ke li te fouye pou li menm nan lavil David la, e yo te kouche li nan plas repo ke li te plen \x + \xo 16:14 \xo*\xt Jen 50:2\xt*\x*avèk plizyè kalite epis ki te mele selon metye a yon moun ki konn fè pafen; epi yo te fè yon trè gwo dife pou li. \c 17 \p \v 1 \x + \xo 17:1 \xo*\xt I Wa 15:24\xt*\x*Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm. \v 2 Li te mete sòlda nan tout \x + \xo 17:2 \xo*\xt II Kwo 11:5\xt*\x*vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm \x + \xo 17:2 \xo*\xt II Kwo 15:8\xt*\x*ke papa li, Asa te kaptire yo. \v 3 SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo, \v 4 men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li \x + \xo 17:4 \xo*\xt I Wa 12:28\xt*\x*pa t aji jan Israël te fè a. \v 5 Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè. \v 6 Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda. \p \v 7 Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée \x + \xo 17:7 \xo*\xt II Kwo 15:3\xt*\x*pou enstwi nan vil a Juda yo; \v 8 epi avèk yo \x + \xo 17:8 \xo*\xt II Kwo 19:8\xt*\x*Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram. \v 9 \x + \xo 17:9 \xo*\xt Det 6:4-9\xt*\x*Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la. \p \v 10 Alò, \x + \xo 17:10 \xo*\xt II Kwo 14:14\xt*\x*lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat. \v 11 Kèk nan Filisten yo te \x + \xo 17:11 \xo*\xt II Kwo 9:14\xt*\x*pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit. \v 12 Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda. \v 13 Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo. \v 14 Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj; \v 15 epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj; \v 16 epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj. \v 17 Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans, \v 18 epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè. \v 19 Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte \x + \xo 17:19 \xo*\xt II Kwo 17:2\xt*\x*sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo. \c 18 \p \v 1 Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te fè alyans avèk Achab pa maryaj. \v 2 \x + \xo 18:2 \xo*\xt I Wa 22:2-35\xt*\x*Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad. \v 3 Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?” \p Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.” \v 4 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.” \p \v 5 Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?” \p Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.” \p \v 6 Men Josaphat te di: “Èske pa gen toujou yon pwofèt SENYÈ a pou nou kab mande sa?” \p \v 7 Wa Israël la te di a Josaphat: “Gen youn toujou ke nou kab fè demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a pale konsa.” \p \v 8 Konsa, wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Fè vit, mennen Michée, fis Jimla a.” \p \v 9 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita \x + \xo 18:9 \xo*\xt Rt 4:1\xt*\x*kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. \v 10 Sédécias, fis a Kenaana a, te fè kòn an fè pou kont li. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Avèk sila yo, ou va frennen Siryen yo, jiskaske yo fin detwi nèt.’” \p \v 11 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa. Yo t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e reyisi, paske SENYÈ a va livre li nan men a wa a.” \p \v 12 Konsa, mesaje ki te ale fè demand prezans Michée a te pale avèk li. Li te di: “Gade byen, pawòl a pwofèt yo favorab nèt pou wa a. Konsa, souple, kite pawòl ou fèt tankou pa yo a e pale anfavè li.” \p \v 13 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, \x + \xo 18:13 \xo*\xt Nonb 22:18-35\xt*\x*sa ke Bondye mwen an di, se sa mwen va pale.” \p \v 14 Lè li te rive kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe monte Ramoth-Galaad pou batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” \p Li te di: “Ale monte e reyisi, paske yo va livre nan men ou.” \p \v 15 Epi wa a te di li: “Konbyen fwa mwen oblije fè demann ke ou pa pale anyen sof ke laverite nan non SENYÈ a?” \p \v 16 Konsa, li te reponn: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo \x + \xo 18:16 \xo*\xt És 35:4-8\xt*\x*tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’” \p \v 17 Wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal?” \p \v 18 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: \x + \xo 18:18 \xo*\xt És 6:1-5\xt*\x*Mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li. \v 19 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay. \v 20 Alò, yon \x + \xo 18:20 \xo*\xt Job 1:16 \xt*\x* lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’” \p “Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’? \p \v 21 “Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon \x + \xo 18:21 \xo*\xt Jn 8:44\xt*\x*lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’ \p “Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’ \p \v 22 “Alò, pou sa, gade byen, \x + \xo 18:22 \xo*\xt És 19:14\xt*\x*SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.” \p \v 23 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te \x + \xo 18:23 \xo*\xt Jr 20:2\xt*\x*frape Michée sou machwè l e te di: “Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te fè kite mwen pou pale avè w?” \p \v 24 Michée te di: “Gade byen, nan jou ke ou antre nan chanm anndan pou kache kò ou la, ou va wè sa.” \p \v 25 Alò, wa Israël la te di: \x + \xo 18:25 \xo*\xt II Kwo 18:8\xt*\x*“Pran Michée e fè l retounen kote Amon, majistra vil la ak Joas, fis a wa a. \v 26 Di yo: ‘Konsa pale wa a: \x + \xo 18:26 \xo*\xt II Kwo 16:10\xt*\x*“Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.”’” \p \v 27 Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Li te di: \x + \xo 18:27 \xo*\xt Mi 1:2\xt*\x*“Koute byen, tout pèp yo!” \p \v 28 Konsa, wa Israël avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. \v 29 Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la. \v 30 Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.” \p \v 31 Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te \x + \xo 18:31 \xo*\xt II Kwo 13:14-15\xt*\x*kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l. \v 32 Lè chèf cha yo te wè ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li. \v 33 Yon sèten nonm te rale banza li pa aza, e te frape wa Israël la nan yon kwen nan pwotèj kò a. Konsa, li te pale a chofè cha a: “Vire tounen e fè m sòti nan batay la, paske mwen blese byen grav.” \v 34 Batay la te chofe byen rèd tout jounen an e wa Israël te fòse pou l te kab kanpe nan cha li a devan Siryen yo jis rive nan aswè; epi nan kouche solèy la, li te mouri. \c 19 \p \v 1 Konsa, Josaphat, wa a te retounen sof a lakay li Jérusalem. \v 2 Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: \x + \xo 19:2 \xo*\xt II Kwo 18:1-3\xt*\x*“Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e \x + \xo 19:2 \xo*\xt II Kwo 24:18\xt*\x*konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou? \v 3 Men \x + \xo 19:3 \xo*\xt II Kwo 12:12\xt*\x*gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske \x + \xo 19:3 \xo*\xt II Kwo 17:6\xt*\x*ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.” \p \v 4 Konsa, Josaphat te rete Jérusalem e li te sòti deyò ankò pami pèp la soti Beer-Schéba jis rive nan peyi ti mòn a Éphraïm yo. Epi konsa, li te \x + \xo 19:4 \xo*\xt II Kwo 15:8-13\xt*\x*mennen yo retounen a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. \v 5 Li te chwazi \x + \xo 19:5 \xo*\xt Det 16:18-20\xt*\x*jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil. \v 6 Li te pale a jij yo: “Kontwole sa ke n ap fè a, paske \x + \xo 19:6 \xo*\xt Lev 19:15\xt*\x*nou pa jije pou yon moun, men pou SENYÈ ki avèk nou an pandan n ap rann jijman an. \v 7 Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan \x + \xo 19:7 \xo*\xt Det 10:17-18\xt*\x*patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.” \p \v 8 Nan Jérusalem osi, Josaphat te apwente \x + \xo 19:8 \xo*\xt II Kwo 17:8-9\xt*\x*kèk nan Levit yo avèk prèt yo ak kèk nan chèf lakay zansèt Israël yo, pou fè jijman SENYÈ a, e pou jije konfli pami moun ki te rete Jérusalem yo. \v 9 Li te pase lòd bay yo. Li te di: “Konsa nou va gen lakrent SENYÈ a, avèk fidelite e avèk tout kè. \v 10 \x + \xo 19:10 \xo*\xt Det 17:8\xt*\x*Nenpòt lè yon konfli rive devan nou soti nan manm fanmi nou yo ki rete nan vil yo, antre san ak san, antre lalwa avèk kòmandman yo, règleman avèk òdonans yo, nou va avèti yo pou yo pa vin koupab devan SENYÈ a, e pou kòlè pa rive sou nou avèk fanmi nou. \v 11 Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. \x + \xo 19:11 \xo*\xt I Kwo 28:20\xt*\x*Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.” \c 20 \p \v 1 Alò, li te vin rive apre sa ke fis Moab yo avèk fis Ammon yo, ansanm avèk kèk nan \x + \xo 20:1 \xo*\xt I Kwo 4:41\xt*\x*Maonit yo te vini pou fè lagè kont Josaphat. \v 2 Kèk moun te vin bay rapò a Josaphat e te di: “Yon gran foul ap pwoche kont ou soti lòtbò lanmè Syrie. Gade byen, yo rive \x + \xo 20:2 \xo*\xt Jen 14:7\xt*\x*Hatsatson-Thamar” (ki En-Guédi a). \v 3 Josaphat te byen pè. Li te \x + \xo 20:3 \xo*\xt II Kwo 19:3\xt*\x*vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda. \v 4 Konsa, Juda te rasanble ansanm pou \x + \xo 20:4 \xo*\xt Jl 1:14\xt*\x*chache èd SENYÈ a. Yo te sòti menm nan tout vil a Juda yo pou chache SENYÈ a. \p \v 5 Konsa, Josaphat te kanpe nan asanble Juda a avèk Jérusalem, lakay SENYÈ a devan tribinal nèf la. \v 6 Li te di: “O SENYÈ, Bondye a zansèt pa nou yo, èske se pa Ou menm ki Bondye nan Syèl yo? \x + \xo 20:6 \xo*\xt I Kwo 29:11\xt*\x*Èske se pa Ou menm ki renye sou tout wayòm a nasyon yo? Pwisans avèk majeste, se nan men Ou, jiskaske nanpwen moun ki kab kanpe kont Ou. \v 7 Èske se pa Ou menm, O Bondye nou an, ki te chase tout sila ki te rete nan peyi sa a devan pèp Ou a, Israël pou \x + \xo 20:7 \xo*\xt És 41:8\xt*\x*bay li a desandan Abraham yo, zanmi Ou an, jis pou tout tan? \v 8 Yo te abite ladann, yo te bati sanktyè Ou a la pou non Ou, e yo te di: \v 9 \x + \xo 20:9 \xo*\xt II Kwo 6:28-30\xt*\x*‘Si mechanste ta vini sou nou, nepe, oswa jijman, oswa epidemi, oswa gwo grangou, nou va kanpe devan kay sila a e devan Ou menm, (paske non pa Ou sou kay sa a) pou kriye a Ou menm nan twoub nou yo, ke Ou va tande pou delivre nou.’ \v 10 Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, \x + \xo 20:10 \xo*\xt Nonb 20:17-21\xt*\x*kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo. \v 11 Gade, koulye a, jan y ap rekonpanse nou lè yo \x + \xo 20:11 \xo*\xt Sòm 83:12\xt*\x*vin parèt pou chase nou mete deyò soti nan posesyon ke Ou te bannou kòm eritaj la. \v 12 O Bondye nou, \x + \xo 20:12 \xo*\xt Jij 11:27\xt*\x*èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.” \p \v 13 Tout Juda te kanpe devan SENYÈ a avèk ti bebe yo, madanm yo ak zanfan yo. \p \v 14 Alò, nan mitan asanble a, \x + \xo 20:14 \xo*\xt II Kwo 15:1\xt*\x*Lespri SENYÈ a te vini sou Jachaziel, fis a Zacharie a, fis a Benaja a, fis a Jeïel la, fis a Matthania a, Levit la ak fis a Asaph yo. \v 15 Epi li te di: “Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske \x + \xo 20:15 \xo*\xt I Sam 17:47\xt*\x*batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye. \v 16 Demen, desann kont yo. Tande byen, yo va vin monte kote pant ti mòn Tsits lan, e nou va jwenn yo nan dènye pwent vale a devan dezè Jeruel la. \v 17 Nou pa bezwen goumen nan batay sila a. Pran pozisyon nou e \x + \xo 20:17 \xo*\xt Egz 14:13\xt*\x*kanpe gade delivrans SENYÈ a anfavè nou, O Juda, avèk Jérusalem. Pa pè, ni pa pèdi kouraj. Demen sòti pou parèt devan yo, paske SENYÈ a avèk nou.’” \p \v 18 Josaphat te \x + \xo 20:18 \xo*\xt Egz 4:31\xt*\x*bese tèt li jis atè, e tout Juda avèk moun Jérusalem yo te tonbe atè devan SENYÈ a, pou adore Li. \v 19 Levit ki te nan fis a Keatit yo, e nan fis a Koreyit yo, te kanpe pou louwe SENYÈ a, Bondye Israël la, nan yon trè gwo vwa. \p \v 20 Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, \x + \xo 20:20 \xo*\xt És 7:9\xt*\x*mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.” \p \v 21 Lè li te fin konsilte pèp la, li te chwazi sila ki te chante a SENYÈ yo avèk sila ki te \x + \xo 20:21 \xo*\xt I Kwo 16:29\xt*\x*fè louwanj nan vètman sen yo, pandan yo t ap sòti devan lame a. Yo t ap di: “Bay remèsiman a SENYÈ a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.” \v 22 Depi lè a, yo te kòmanse chante ak bay louwanj, SENYÈ a te \x + \xo 20:22 \xo*\xt II Kwo 13:13\xt*\x*mete anbiskad kont fis a Ammon yo, Moab avèk Mòn Séir, ki te vini kont Juda yo epi yo te vin boulvèse. \v 23 Paske fis Ammon yo avèk Moab yo te leve kont fis Mòn Séir yo pou te detwi yo nèt. Lè yo te fini avèk moun Mòn Séir yo, yo te \x + \xo 20:23 \xo*\xt Jij 7:22\xt*\x*asiste pou detwi youn lòt. \p \v 24 Lè Juda te rive nan wotè sou dezè a, yo te gade vè gwo foul la, epi vwala, te gen kadav ki te kouche atè a. Okenn pa t chape. \v 25 Lè Josaphat avèk pèp li a te vini pran piyaj la, yo te twouve anpil bagay pami yo; byen, vètman ak bagay valab ke yo te pran pou yo menm, plis pase yo ta kab pote. Yo te pran twa jou pou ranmase piyaj la, paske li te tèlman anpil. \v 26 Nan katriyèm jou a, yo te fè asanble nan vale Beraca a. La, yo te beni SENYÈ a. Akoz sa, yo te rele plas sa a: “Vale Beraca a” jis rive jodi a. \v 27 Tout mesye Juda avèk Jérusalem yo te retounen avèk Josaphat sou tèt la. Yo te retounen Jérusalem avèk kè kontan, \x + \xo 20:27 \xo*\xt Né 12:43 \xt*\x*paske SENYÈ a te fè yo rejwi sou lènmi yo. \v 28 Yo te vini Jérusalem avèk ap, gita yo ak twonpèt pou rive vè kay SENYÈ a. \v 29 \x + \xo 20:29 \xo*\xt II Kwo 14:14\xt*\x*Lakrent Bondye te sou tout wayòm a lòt peyi yo lè yo te tande ke SENYÈ a te goumen kont lènmi Israël yo. \v 30 Konsa, wayòm Josaphat a te gen lapè, \x + \xo 20:30 \xo*\xt II Kwo 14:6-7\xt*\x*paske Bondye li a te ba li repo tout kote. \p \v 31 \x + \xo 20:31 \xo*\xt I Wa 22:41-43\xt*\x*Alò, Josaphat te renye sou Juda. Li te gen laj a trann-senk ane lè l te devni wa a e li te renye Jérusalem pandan venn-senkan. Non manman l se te Azuba, fi a Schilchi a. \v 32 Li te mache nan chemen papa li, Asa, e li pa t kite li. Li te toujou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a. \v 33 Sepandan, \x + \xo 20:33 \xo*\xt II Kwo 17:6\xt*\x*wo plas yo pa t retire. Pèp la potko dirije kè yo vè Bondye a zansèt yo a. \p \v 34 Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, soti nan premye jis rive nan dènye a, gade byen, yo ekri nan rejis a \x + \xo 20:34 \xo*\xt II Kwo 19:2\xt*\x*Jéhu, fis a Hanani, ki enskri nan Liv Wa Israël Yo. \p \v 35 \x + \xo 20:35 \xo*\xt I Wa 22:48-49\xt*\x*Apre sa, Josaphat, wa Juda a te fè alyans avèk Achazia, wa Israël la. Li te aji mal nan fè bagay sa a. \v 36 Konsa, li te alinye li avèk li pou fè bato yo rive \x + \xo 20:36 \xo*\xt II Kwo 9:21\xt*\x*Tarsis e yo te fè bato yo rive nan Etsjon-Guéber. \v 37 Epi Éliézer, fis a Dodava a nan Maréscha, te pwofetize kont Josaphat. Li te di: “Akoz ou te fè alyans avèk Achazia, SENYÈ a te detwi zèv ou yo.” Pou sa, bato yo te kraze, e yo pa t kab ale Tarsis. \c 21 \p \v 1 \x + \xo 21:1 \xo*\xt I Wa 22:50\xt*\x*Alò, Josaphat te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la; e Joram, fis li a, te vin wa nan plas li. \v 2 Joram te gen frè, fis a Josaphat yo: Azaria, Micaël, avèk Schephathia. Tout sila yo te fis a Josaphat, wa \x + \xo 21:2 \xo*\xt II Kwo 12:6\xt*\x*Israël la. \v 3 Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, \x + \xo 21:3 \xo*\xt II Kwo 11:5\xt*\x* avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne. \v 4 Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te \x + \xo 21:4 \xo*\xt Jen 4:8\xt*\x*touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou. \v 5 \x + \xo 21:5 \xo*\xt II Wa 8:17-22\xt*\x*Joram te gen trann-dezan lè l te devni wa e li te renye pandan uitan Jérusalem. \v 6 \x + \xo 21:6 \xo*\xt I Wa 12:28-30\xt*\x*Li te mache nan chemen a wa Israël yo, menm jan avèk lakay Achab, (\x + \xo 21:6 \xo*\xt II Kwo 18:1\xt*\x*paske fi Achab la te madanm li) e li te fè mal nan zye a SENYÈ a. \v 7 Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e \x + \xo 21:7 \xo*\xt II Sam 7:12-17\xt*\x*akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan. \p \v 8 Pandan jou li yo, \x + \xo 21:8 \xo*\xt II Kwo 20:22-23\xt*\x*Édom te fè rebèl kont otorite Juda yo, e yo te etabli yon wayòm pou kont yo. \v 9 Konsa, Joram te travèse avèk chèf li yo ak tout cha li yo avèk li. Li te leve pandan nwit lan, e li te touye Edomit ki te antoure li yo, avèk chèf a cha yo. \v 10 Akoz sa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive Jodi a. Epi Libna te fè rebèl menm lè a kont otorite li, akoz li te bliye SENYÈ a, Bondye a zansèt li yo. \p \v 11 Anplis, \x + \xo 21:11 \xo*\xt I Wa 11:7\xt*\x*li te fè wo plas nan mòn Juda yo. Li te fè pèp Jérusalem nan \x + \xo 21:11 \xo*\xt Lev 20:5\xt*\x*jwe pwostitisyon, e li te mennen Juda nan move wout. \v 12 Pou sa a, yon lèt te vin kote li soti nan men Élie, pwofèt la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a papa zansèt ou a, David: ‘Akoz \x + \xo 21:12 \xo*\xt II Kwo 17:3-4\xt*\x* ou pa t mache nan chemen a Josaphat, papa ou, ak nan chemen Asa, wa Juda a, \v 13 men ou te mache nan chemen wa Israël yo, e ou te fè Juda avèk pèp Jérusalem nan jwe pwostitisyon, \x + \xo 21:13 \xo*\xt I Wa 16:31-33\xt*\x*jan lakay Achab te jwe pwostitisyon an. Anplis, ou te touye frè ou yo, pwòp fanmi pa w, ki te pi bon pase ou. \v 14 Pou sa a, men gade, SENYÈ a va frape pèp ou a, fis ou yo, madanm ou yo ak tout byen ou yo avèk gwo malè. \v 15 \x + \xo 21:15 \xo*\xt II Kwo 21:18-19\xt*\x*Ou va vin soufri yon maladi ki rèd, yon maladi zantray ou, jiskaske zantray ou vin sòti akoz maladi a.’” \p \v 16 SENYÈ a te \x + \xo 21:16 \xo*\xt II Kwo 17:11 \xt*\x*boulvèse lespri Filisten yo kont Joram, ansanm ak Arab yo ki te nan lizyè Etyopyen yo. \v 17 Yo te vini kont Juda pou te atake li, e yo te fè pote ale tout posesyon ke yo te jwenn lakay wa a, ansanm avèk fis li yo, ak madanm li yo, jiskaske pa t gen fis ki te rete pou li, sof \x + \xo 21:17 \xo*\xt II Kwo 25:23\xt*\x*Joachaz, pi piti nan fis li yo. \p \v 18 Konsa, apre tout bagay sa a, SENYÈ a te frape li \x + \xo 21:18 \xo*\xt II Kwo 21:15\xt*\x*nan zantray li avèk yon maladi ki pa t kab geri. \v 19 Alò, li te vin rive pandan tan ekoule a, nan fen dezan, ke zantray li te sòti akoz maladi li a, e li te mouri avèk gwo doulè. Epi pèp li a pa t fè dife pou li tankou \x + \xo 21:19 \xo*\xt II Kwo 16:14\xt*\x*dife yo te fè pou papa zansèt li yo. \v 20 Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te \x + \xo 21:20 \xo*\xt Jr 22:18-28\xt*\x*san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, \x + \xo 21:20 \xo*\xt II Kwo 24:25 \xt*\x*men pa nan tonm a wa yo. \c 22 \p \v 1 Pèp Jérusalem la te fè \x + \xo 22:1 \xo*\xt II Wa 8:24-29\xt*\x*Achazia, pi piti fis li a, wa nan plas li, akoz bann mesye ki te vini ak Arab yo nan kan an te touye tout pi gran yo. Konsa Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a te kòmanse renye. \v 2 Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa a e li te renye ennan Jérusalem. Non manman l te Athalie, fi a Omri. \v 3 Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal. \v 4 Li te fè mal nan zye SENYÈ a tankou Achab, paske yo te konseye li apre lanmò papa l, jiskaske sa te fin detwi li. \v 5 Li te osi mache selon konsèy pa yo, e te ale avèk Joram, fis a Achab la, wa Israël la pou fè lagè kont Hazaël, wa Syrie a nan Ramoth-Galaad. Men \x + \xo 22:5 \xo*\xt II Wa 8:28\xt*\x*Siryen yo te blese Joram. \v 6 Pou sa, li te retounen pou geri nan Jizreel akoz blese ke yo te ba li nan Rama yo, lè li te fin goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann pou wè Joram, fis a Achab la Jizreel, akoz li te malad. \p \v 7 Alò, destriksyon Achazia te sòti nan Bondye akoz li te ale kote Joram. Paske lè l te desann, li te sòti avèk Joram kont Jéhu, fis a Nimschi a, \x + \xo 22:7 \xo*\xt II Wa 9:6-7 \xt*\x*ke SENYÈ a te chwazi pou detwi lakay Achab. \v 8 \x + \xo 22:8 \xo*\xt II Wa 10:11-14\xt*\x*Li te vin rive ke lè Jéhu t ap egzekite jijman sou lakay Achab la, li te twouve chèf a Juda yo avèk fis a frè Achazia ki t ap sèvi Achazia yo, e li te touye yo. \v 9 \x + \xo 22:9 \xo*\xt II Wa 9:27\xt*\x*Anplis, li te chache Achazia, epi yo te kenbe li pandan li te kache Samarie a. Yo te mennen li kote Jéhu, yo te mete li a lanmò, e te antere li. Paske yo te di: “Li se fis a Josaphat, ki te chache SENYÈ a ak tout kè li a.” Konsa, pa t gen moun lakay Achazia pou te kenbe pouvwa wayòm nan. \p \v 10 \x + \xo 22:10 \xo*\xt II Wa 11:1-3\xt*\x*Alò lè Athalie, manman Achazia a, te wè ke fis li a te mouri, li te leve e te detwi tout pitit wa lakay Juda yo. \v 11 Men Joschabeath, fi a wa a te pran fis a Achazia a e te rache li soti nan mitan fis a wa a ke yo t ap touye yo, e li te plase li avèk nouris li nan chanm dòmi an. Konsa, Joschabeath, fi a Wa Joram nan, madanm a Jehojada, prèt la (paske li te sè Achazia), te kache li pou Athalie pa t kab mete l a lanmò. \v 12 Li te kache yo lakay SENYÈ a pandan sizan pandan Athalie t ap renye sou peyi a. \c 23 \p \v 1 \x + \xo 23:1 \xo*\xt II Wa 11:4-20\xt*\x*Alò, nan setyèm ane, Jehojada te ranfòse tèt li, e te pran chèf a dè santèn yo: Azaria, fis a Obed la, Maaséja, fis a Adaja a ak Élischaphath, fis a Zicri a. Yo te antre nan yon akò avèk li. \v 2 Yo te ale toupatou nan Juda pou te rasanble Levit soti nan tout vil Juda yo ak chèf lakay zansèt \x + \xo 23:2 \xo*\xt II Kwo 11:13-17\xt*\x*Israël yo, e yo te vini Jérusalem. \v 3 Konsa, tout asanble a te fè yon akò avèk wa a nan kay Bondye a. Epi Jehojada te di yo: “Gade byen, fis a wa a oblije renye, \x + \xo 23:3 \xo*\xt II Sam 7:12\xt*\x*jan SENYÈ a te pale pa fis a David yo. \v 4 Sa se bagay ke nou oblije fè: yon tyè nan nou, nan prèt avèk Levit \x + \xo 23:4 \xo*\xt I Kwo 9:25\xt*\x*ki antre nan Saba yo, va sèvi kòm gadyen pòtay; \v 5 yon tyè va kote lakay wa a, e yon tyè kote Pòtay Fondasyon an. Tout pèp la va nan lakou lakay SENYÈ a. \v 6 Men pa kite pèsòn antre lakay SENYÈ a, sof ke prèt avèk \x + \xo 23:6 \xo*\xt I Kwo 23:28-32\xt*\x*Levit k ap fè sèvis yo. Yo kab antre, paske yo sen, men tout pèp la va kenbe règleman a SENYÈ a. \v 7 Levit yo va antoure wa a, chak mesye avèk zam yo nan men yo. Nenpòt moun ki antre nan kay la, fòk li mouri. Rete avèk wa a lè l antre ak lè l sòti.” \p \v 8 Konsa, Levit yo avèk tout Juda te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande yo a. Yo chak te pran mesye pa yo ki te gen pou antre anndan nan Saba a, avèk sila ki t ap sòti nan Saba yo, paske Jehojada, prèt la, pa t lage okenn nan \x + \xo 23:8 \xo*\xt I Kwo 24:1\xt*\x*divizyon sòlda yo. \v 9 Jehojada, prèt la, te bay a chèf dè santèn yo lans avèk gwo boukliye defans, ki te konn pou Wa David, ki te lakay Bondye a. \v 10 Li te estasyone tout pèp la, chak mesye yo avèk zam yo nan men yo, sòti nan kote dwat kay la jis rive nan kote goch kay la, toupre lotèl la, toupre kay la, antoure wa a nèt. \v 11 Epi yo te mennen fè parèt fis a wa a, yo te mete kouwòn nan sou li. Konsa, yo te ba li \x + \xo 23:11 \xo*\xt Egz 25:16-21\xt*\x*temwayaj pou te fè l wa. Jehojada avèk fis li yo te onksyone li, e yo te di ansanm: “Viv wa a!” \p \v 12 Lè Athalie te tande bwi a pèp la ki t ap kouri ak bay lwanj a wa a, li te antre lakay SENYÈ a kote pèp la. \v 13 Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!” \p \v 14 Jehojada, prèt la te mennen fè sòti chèf a dè santèn ki te chwazi sou lame yo. Li te di yo: “Mennen li deyò antre ranje yo, epi nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mouri lakay SENYÈ a.” \v 15 Konsa, yo te sezi li e lè li te rive kote antre \x + \xo 23:15 \xo*\xt Né 3:28\xt*\x*Pòtay Cheval la, lakay wa a, yo te mete li a lanmò la. \p \v 16 Epi \x + \xo 23:16 \xo*\xt II Wa 11:17\xt*\x*Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a. \v 17 Konsa, tout pèp la te ale kote kay Baal la. Yo te chire, kase an mòso lotèl li yo, avèk imaj li yo, e yo te \x + \xo 23:17 \xo*\xt Det 13:6-9\xt*\x*touye Matthan, prèt Baal la devan lotèl yo. \v 18 Anplis, Jehojada te mete ofisye lakay SENYÈ yo anba otorite prèt Levit yo, \x + \xo 23:18 \xo*\xt I Kwo 23:6\xt*\x*ke David te apwente sou lakay SENYÈ a, pou ofri ofrann brile a SENYÈ, jan sa ekri nan lalwa Moïse la—-avèk anpil rejwisans ak chante selon lòd a David la. \v 19 Li te estasyone \x + \xo 23:19 \xo*\xt I Kwo 9:22\xt*\x*gadyen pòtay yo lakay SENYÈ a, pou pèsòn pa t kab antre, si pou nenpòt rezon li pa t pwòp. \v 20 \x + \xo 23:20 \xo*\xt II Wa 11:19\xt*\x*Li te pran chèf a dè santèn yo, moun enpòtan yo, moun ki te gouvène pèp la, tout pèp peyi a, e yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a pou te antre pa wo pòtay la pou antre lakay wa a. Konsa, yo te mete wa a sou twòn wayal la. \v 21 \x + \xo 23:21 \xo*\xt II Wa 11:20\xt*\x* Tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò avèk nepe. \c 24 \p \v 1 \x + \xo 24:1 \xo*\xt II Wa 11:21\xt*\x*Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba. \v 2 \x + \xo 24:2 \xo*\xt II Kwo 26:4-5\xt*\x*Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la. \v 3 Jehojada te pran de madanm pou li, e li te vin papa a fis ak fi. \p \v 4 Li te vin rive apre sa ke Joas te pran desizyon pou \x + \xo 24:4 \xo*\xt II Kwo 24:7\xt*\x*restore lakay SENYÈ a. \v 5 Li te rasanble prèt yo avèk Levit yo, e li te di yo: “Ale antre nan tout vil Juda yo e rekeyi lajan pami tout \x + \xo 24:5 \xo*\xt II Kwo 21:2\xt*\x*Israël pou repare lakay SENYÈ nou an chak ane. Epi fè sa byen vit.” Men Levit yo pa t aji avèk vitès. \v 6 Akoz sa, wa a te rele Jehojada, chèf prèt la. Li te mande li: “Poukisa nou pa t egzije Levit yo pou pote soti Juda avèk Jérusalem \x + \xo 24:6 \xo*\xt Egz 30:12-16\xt*\x*taks etabli pa Moïse la, sèvitè SENYÈ a sou asanble Israël la pou tant temwayaj la?” \v 7 Paske \x + \xo 24:7 \xo*\xt II Kwo 21:17\xt*\x*fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal. \p \v 8 Konsa, wa a te pase lòd e \x + \xo 24:8 \xo*\xt II Wa 12:9\xt*\x*yo te fè yon bwat kès pou te mete li deyò akote pòtay lakay SENYÈ a. \v 9 \x + \xo 24:9 \xo*\xt II Kwo 36:22\xt*\x*Yo te fè yon pwoklamasyon nan Juda avèk Jérusalem pou pote bay SENYÈ a, taks Moïse la, sèvitè Bondye a, ki te etabli nan dezè a pou Israël la. \v 10 Tout ofisye yo avèk tout pèp la te rejwi. Yo te pote taks pa yo e yo te depoze yo nan kès la jiskaske yo te ranpli l. \v 11 Li te vin rive ke nenpòt lè Levit yo te pote kès la anndan kote ofisye wa a yo, e lè \x + \xo 24:11 \xo*\xt II Wa 12:10\xt*\x*yo te wè ke te gen anpil lajan, ke grefye a wa a avèk ofisye a chèf prèt la te vin vide kès la, pran l e remete li nan plas li. Konsa, yo te fè chak jou, e yo te rekeyi anpil lajan. \v 12 Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a. \v 13 Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li. \v 14 Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo. \p \v 15 Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri. \v 16 Yo te antere li \x + \xo 24:16 \xo*\xt II Kwo 21:20\xt*\x*lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a. \p \v 17 Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo. \v 18 Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te \x + \xo 24:18 \xo*\xt Egz 34:12-14\xt*\x*sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, \x + \xo 24:18 \xo*\xt Jos 22:20\xt*\x*lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a. \v 19 Malgre sa, \x + \xo 24:19 \xo*\xt Jr 7:25\xt*\x*Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo. \p \v 20 \x + \xo 24:20 \xo*\xt II Kwo 20:14\xt*\x*Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ la, e akoz sa nou pa reyisi? \x + \xo 24:20 \xo*\xt II Kwo 15:2\xt*\x*Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’” \p \v 21 Pou sa, \x + \xo 24:21 \xo*\xt Né 9:26\xt*\x*yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a. \v 22 Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, \x + \xo 24:22 \xo*\xt Jen 9:5\xt*\x*men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!” \p \v 23 Alò, li te vin rive nan fen ane ke \x + \xo 24:23 \xo*\xt II Wa 12:17\xt*\x*lame Siryen yo te monte kont li. Yo te vini Juda avèk Jérusalem, e te detwi tout ofisye a pèp la ki te pami pèp la, epi yo te voye tout piyaj la kote wa a Damas la. \v 24 Anverite, lame Siryen an te vini avèk yon ti kantite moun, men \x + \xo 24:24 \xo*\xt II Kwo 16:7-8\xt*\x*SENYÈ a te livre yon trè gwo lame nan men yo, paske yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a. Se konsa yo te egzekite jijman sou Joas. \p \v 25 \x + \xo 24:25 \xo*\xt II Wa 12:20-21\xt*\x*Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blesi), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo. \v 26 Alò, sa yo se sila ki te fè konplo kont li yo: Zabad, fis a Schimeath la, Amonit lan, ak Jozabad, fis a Schimrith la, Moabit la. \v 27 Konsènan fis li yo, tout pawòl madichon kont li yo ak rekonstriksyon lakay Bondye a, gade byen, yo ekri nan \x + \xo 24:27 \xo*\xt II Kwo 13:22\xt*\x*istwa Liv A Wa Yo. Epi Amatsia, fis li a, te vin wa nan plas li. \c 25 \p \v 1 \x + \xo 25:1 \xo*\xt II Wa 14:1-6\xt*\x*Amatsia te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa, e li te renye vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Joaddan de Jérusalem. \v 2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, \x + \xo 25:2 \xo*\xt II Kwo 25:14\xt*\x*sepandan, pa avèk tout kè l. \v 3 Alò, \x + \xo 25:3 \xo*\xt II Wa 14:5\xt*\x*li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a. \v 4 Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: \x + \xo 25:4 \xo*\xt Det 24:16\xt*\x*“Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.” \p \v 5 Anplis, Amatsia te rasanble Juda, e li te òganize yo selon lakay papa yo anba chèf a dè milye e chèf a dè santèn toupatou nan Juda avèk Benjamin. Li te pran yon kontwòl global a sila \x + \xo 25:5 \xo*\xt Nonb 1:3\xt*\x*soti nan ventan oswa plis yo, e li te twouve yo a twa-san-mil mesye, byen chwazi pou fè lagè ak manyen lans ak pwotèj. \v 6 Li te anplwaye osi san-mil gèrye plen kouraj ki sòti an Israël pou san talan ajan. \v 7 Men yon \x + \xo 25:7 \xo*\xt II Wa 4:9\xt*\x*nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo. \v 8 Men si ou ale, aji avèk fòs pou batay la. Bondye va rale ou desann devan lènmi yo, \x + \xo 25:8 \xo*\xt II Kwo 14:11\xt*\x*paske Bondye gen pouvwa pou ede e pou desann.” \p \v 9 Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?” \p Nonm Bondye a te di: \x + \xo 25:9 \xo*\xt Det 8:18\xt*\x*“Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.” \p \v 10 Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè. \p \v 11 Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan \x + \xo 25:11 \xo*\xt II Wa 14:7\xt*\x*Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo. \v 12 Fis a Juda yo, anplis, te kaptire di-mil tou vivan. Yo te mennen yo anwo pwent falèz la, e te jete yo anba soti anwo falèz la, jiskaske yo tout te kraze chire an mòso. \v 13 Men sòlda ke Amatsia te voye retounen pou yo pa ale nan batay la avèk li yo, te atake vil a Juda yo, soti Samarie jis rive Beth-Horon. Yo te frape twa-mil nan yo, e te piyaje anpil byen yo. \p \v 14 Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm. \v 15 Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, \x + \xo 25:15 \xo*\xt II Kwo 25:11-12\xt*\x*ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?” \p \v 16 Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” \p Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.” \p \v 17 \x + \xo 25:17 \xo*\xt II Wa 14:8-14\xt*\x*Alò, Amatsia, wa Juda a te pran konsèy moun pa l. Li te voye kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa Israël la. Li te di l: “Vini, annou parèt fasafas.” \p \v 18 Joas, wa Israël la te voye kote Amatsia, wa Juda a. Li te di: \x + \xo 25:18 \xo*\xt Jij 9:8-15\xt*\x*“Bwa pikan ki te Liban an te voye kote bwa sèd ki te Liban an, e te di: ‘Bay fi ou a fis mwen nan maryaj.’ Men yon bèt sovaj nan Liban te pase akote e te foule bwa pikan an. \v 19 Ou di nan tèt ou: ‘Gade byen, mwen te bat Édom.’ Konsa \x + \xo 25:19 \xo*\xt II Kwo 26:16\xt*\x*kè ou vin plen ak ògèy e anfle. Alò, rete lakay ou! Poukisa ou ta pwovoke twoub pou tèt ou, jiskaske ou menm, ou ta tonbe e Juda avèk ou?” \p \v 20 Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo. \v 21 Konsa Joas, wa Israël la te monte, e li menm avèk Amatsia, wa Juda a te fè fasafas nan Beth-Schémesch, ki te pou Juda a. \v 22 Juda te bat pa Israël, e yo chak te kouri nan pwòp tant yo. \p \v 23 Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a \x + \xo 25:23 \xo*\xt II Kwo 21:17\xt*\x*Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè. \v 24 Li te pran tout lò avèk ajan ak tout zouti ki te twouve lakay Bondye a avèk \x + \xo 25:24 \xo*\xt I Kwo 26:15\xt*\x*Obed-Édom ak trezò lakay wa a, ansanm avèk prizonye yo, e te retounen Samarie. \p \v 25 \x + \xo 25:25 \xo*\xt II Wa 14:17-22\xt*\x*Epi Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la. \v 26 Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade, èske yo pa ekri nan Liv A Wa Juda Avèk Israël yo? \v 27 Depi lè ke Amatsia te vire kite SENYÈ a, yo te fè konplo kont li Jérusalem, e li te sove ale Lakis, men yo te voye dèyè li Lakis e te touye li la. \v 28 Konsa, yo te mennen li sou cheval e te antere li avèk zansèt li yo lavil Juda. \c 26 \p \v 1 Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia. \v 2 Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo. \v 3 Ozias te gen \x + \xo 26:3 \xo*\xt II Wa 15:2-3\xt*\x*sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem. \v 4 Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè. \v 5 \x + \xo 26:5 \xo*\xt II Kwo 24:2\xt*\x*Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, \x + \xo 26:5 \xo*\xt Dan 1:17\xt*\x*ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi. \p \v 6 Alò, li te sòti pou fè \x + \xo 26:6 \xo*\xt És 14:29\xt*\x*lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo. \v 7 \x + \xo 26:7 \xo*\xt II Kwo 21:16\xt*\x*Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo. \v 8 Anplis, Amonit yo te peye \x + \xo 26:8 \xo*\xt II Kwo 17:11\xt*\x*taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil. \v 9 Anplis, Ozias te bati fò Jérusalem yo nan \x + \xo 26:9 \xo*\xt II Kwo 25:23\xt*\x*Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou. \v 10 Li te bati fò nan dezè yo, e li te \x + \xo 26:10 \xo*\xt Jen 26:18-21\xt*\x*fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil. \v 11 Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo. \v 12 Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san. \v 13 Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de \x + \xo 26:13 \xo*\xt II Kwo 25:5\xt*\x*twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an. \v 14 Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans kò yo, banza yo ak wòch fistibal yo. \v 15 Nan Jérusalem, li te fè gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou fò yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan. \p \v 16 Men lè l te vin fò, kè li te vin plen ògèy. Li te aji konwonpi. Li pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye li a, paske \x + \xo 26:16 \xo*\xt I Wa 13:1-4\xt*\x*li te antre nan tanp SENYÈ a pou brile lansan sou lotèl lansan an. \v 17 Konsa, \x + \xo 26:17 \xo*\xt I Kwo 6:10\xt*\x*Azaria, prèt la, te antre dèyè li avèk katreven prèt SENYÈ a, mesye ki te plen kouraj. \v 18 \x + \xo 26:18 \xo*\xt II Kwo 19:2\xt*\x*Yo te konfwonte Ozias, wa a. Yo te di li: “Se pa ou menm, Ozias, ki pou brile lansan a SENYÈ a, \x + \xo 26:18 \xo*\xt Egz 30:7-8\xt*\x*men se prèt yo, fis a Aaron ki konsakre pou brile lansan. Sòti nan sanktyè a, paske ou gen tò, e ou p ap twouve lonè devan SENYÈ a, Bondye a.” \p \v 19 Men Ozias, avèk veso lansanswa nan men l pou brile lansan an, te anraje. Konsa, pandan li te anraje avèk prèt yo, \x + \xo 26:19 \xo*\xt II Wa 5:25-27\xt*\x*lalèp te pete sou fon li devan prèt yo lakay SENYÈ a, akote lotèl lansan an. \v 20 Azaria, chèf prèt la avèk tout lòt prèt yo te gade li, e vwala, li te gen lalèp sou fon li. Konsa, yo te fè l sòti la byen vit, e li menm tou te fè vit pou sòti akoz SENYÈ a te frape li. \v 21 \x + \xo 26:21 \xo*\xt II Wa 15:5-7\xt*\x*Wa Ozias te rete yon moun lalèp jis rive nan jou li te mouri an. Li te rete nan yon kay apa, akoz lalèp la, paske li te entèdi antre lakay SENYÈ a. Jotham, fis li a, te lakay wa a pou te jije pèp peyi a. \p \v 22 Alò, tout rès a zèv Ozias yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, pwofèt \x + \xo 26:22 \xo*\xt És 1:1 \xt*\x*Ésaïe, fis a Amots la, te ekri yo. \v 23 Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo \x + \xo 26:23 \xo*\xt II Kwo 21:20\xt*\x*nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li. \c 27 \p \v 1 \x + \xo 27:1 \xo*\xt II Wa 15:33-35\xt*\x*Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la. \v 2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. \x + \xo 27:2 \xo*\xt II Kwo 26:16\xt*\x*Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi. \v 3 Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou \x + \xo 27:3 \xo*\xt II Kwo 33:14\xt*\x*miray Ophel la. \v 4 Anplis, li te bati \x + \xo 27:4 \xo*\xt II Kwo 11:5\xt*\x*vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo. \v 5 Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a. \v 6 \x + \xo 27:6 \xo*\xt II Kwo 26:5\xt*\x*Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a. \v 7 \x + \xo 27:7 \xo*\xt II Wa 15:36\xt*\x*Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo. \v 8 Li te gen \x + \xo 27:8 \xo*\xt II Kwo 27:1\xt*\x*venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem. \v 9 Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li. \c 28 \p \v 1 \x + \xo 28:1 \xo*\xt II Wa 16:2-4\xt*\x*Achaz te gen laj a ventan lè l te devni wa e li te renye sèzan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, jan David, papa zansèt li a, te konn fè a, \v 2 men li te mache nan chemen a wa Israël yo. Anplis, li te \x + \xo 28:2 \xo*\xt Egz 34:17\xt*\x*fè imaj fonn pou Baal yo. \v 3 \x + \xo 28:3 \xo*\xt Jos 15:8\xt*\x*Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te \x + \xo 28:3 \xo*\xt Lev 18:21\xt*\x*brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo. \v 4 Li te fè sakrifis e te \x + \xo 28:4 \xo*\xt II Kwo 28:25\xt*\x*brile lansan sou wo plas yo, sou ti mòn yo e anba chak bwa vèt. \p \v 5 Pou sa, \x + \xo 28:5 \xo*\xt II Kwo 24:24 \xt*\x*SENYÈ a, Bondye li a, te livre li nan men a wa Syrie. Konsa, yo te bat li e te pote ale de li yon gran kantite kaptif pou te fè yo rive Damas. Li te anplis livre nan men a wa Israël la ki te aflije li avèk anpil moun mouri. \v 6 Paske \x + \xo 28:6 \xo*\xt II Wa 16:5\xt*\x*Pékach, fis Remalia a, te touye nan Juda, pandan yon sèl jou, san-ven-mil òm, tout mesye ki plen kouraj yo, akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo. \v 7 Epi Zicri yon nonm pwisan nan Éphraïm, te touye Maaséja, fis a wa a avèk Azrikam, chèf a kay wayal la, e Elkana, dezyèm apre wa a. \v 8 \x + \xo 28:8 \xo*\xt Det 28:25-41\xt*\x*Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie. \v 9 Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. \x + \xo 28:9 \xo*\xt II Kwo 25:15\xt*\x*Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo \x + \xo 28:9 \xo*\xt És 47:6\xt*\x*te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la. \v 10 Alò, nou ap pwopoze pou fè pou kont nou, pèp a Juda avèk Jérusalem yo \x + \xo 28:10 \xo*\xt Lev 25:39\xt*\x*vin soumèt kòm esklav mal ak femèl. Anverite, èske nou menm pa gen transgresyon pou kont nou kont SENYÈ a, Bondye nou an? \v 11 Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, \x + \xo 28:11 \xo*\xt Jc 2:13\xt*\x*paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.” \v 12 Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan nan, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la. \v 13 Yo te di yo: “Fòk nou pa mennen kaptif yo anndan isit la, paske nou ap tante mennen sou nou koupabilite kont SENYÈ a, ki va ogmante peche nou avèk koupabilite nou. Paske koupabilite nou vin tèlman gran ke kòlè Li vin kont Israël.” \p \v 14 Pou sa, mesye ki t ap pote zam yo te kite kaptif yo avèk piyaj la devan ofisye yo avèk tout asanble a. \v 15 Epi mesye ki te chwazi pa non yo te leve, pran kaptif yo, yo te mete rad ki sòti nan piyaj la sou sila ki te toutouni yo. Yo te bay yo rad avèk sandal, yo te bay yo manje e te \x + \xo 28:15 \xo*\xt Pwov 25:21-22\xt*\x*bay yo bwè, e yo te onksyone yo avèk lwil. Yo te mennen tout sila ki te fèb yo sou bourik e te fè yo rive Jéricho, \x + \xo 28:15 \xo*\xt Det 34:3\xt*\x*vil palmis yo, kote frè yo. Konsa, yo te retounen Samarie. \p \v 16 \x + \xo 28:16 \xo*\xt II Wa 16:7\xt*\x*Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen. \v 17 \x + \xo 28:17 \xo*\xt Ab 10\xt*\x* Paske ankò, Edomit yo te vin atake Juda e te mennen yo sòti kaptif. \v 18 \x + \xo 28:18 \xo*\xt Éz 16:57\xt*\x*Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la. \v 19 Paske SENYÈ a te imilye Juda akoz Achaz, wa \x + \xo 28:19 \xo*\xt II Kwo 21:2\xt*\x*Israël la. Paske li te fè rive yon mank de lòd nan Juda e te manke fidèl anpil a SENYÈ a. \v 20 Pou sa, \x + \xo 28:20 \xo*\xt I Kwo 5:26\xt*\x*Tilgath-Piléser, wa Assyrie a te vini kont li, e te aflije li olye de ranfòse li. \v 21 \x + \xo 28:21 \xo*\xt II Wa 16:8-9\xt*\x*Sepandan, Achaz te pran yon pòsyon sòti nan kay SENYÈ a e sòti nan palè wa a ak chèf yo pou te bay li a wa Assyrie a, men sa pa t ede li. \p \v 22 Alò, nan tan gwo pwoblèm pa li, menm Wa Achaz sila a \x + \xo 28:22 \xo*\xt Jr 5:3\xt*\x*te vin peche plis devan SENYÈ a. \v 23 \x + \xo 28:23 \xo*\xt II Kwo 25:14\xt*\x*Paske li te fè sakrifis a lòt dye Damas yo ki te bat li yo. Li te di: \x + \xo 28:23 \xo*\xt Jr 44:17-18\xt*\x*“Akoz dye a wa Syrie yo te ede yo, mwen va fè sakrifis de yo pou yo kab ede mwen.” Men yo te koze chit li avèk tout Israël. \v 24 Anplis, lè Achaz te ranmase ansanm tout zouti lakay Bondye yo, li \x + \xo 28:24 \xo*\xt II Wa 16:17\xt*\x*te koupe tout zouti yo an mòso. Li te fèmen pòt lakay SENYÈ a, e te fè lotèl pou li nan chak kwen nan Jérusalem. \v 25 Nan chak vil nan Juda, li te fè wo plas pou brile lansan a lòt dye yo, e li te pwovoke SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, a lakòlè. \p \v 26 \x + \xo 28:26 \xo*\xt II Wa 16:19-20\xt*\x*Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo. \v 27 \x + \xo 28:27 \xo*\xt És 14:28\xt*\x*Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa \x + \xo 28:27 \xo*\xt II Kwo 21:2 \xt*\x*Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li. \c 29 \p \v 1 \x + \xo 29:1 \xo*\xt II Wa 18:1-3\xt*\x*Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a. \v 2 \x + \xo 29:2 \xo*\xt II Kwo 28:1\xt*\x*Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè. \v 3 Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te \x + \xo 29:3 \xo*\xt II Kwo 28:24\xt*\x*ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo. \v 4 Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la. \v 5 Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. \x + \xo 29:5 \xo*\xt II Kwo 29:15-34\xt*\x*Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen. \v 6 Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te \x + \xo 29:6 \xo*\xt Éz 8:16\xt*\x*vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo. \v 7 Anplis, yo te \x + \xo 29:7 \xo*\xt II Kwo 28:24\xt*\x*fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la. \v 8 Pou sa, \x + \xo 29:8 \xo*\xt II Kwo 24:20\xt*\x*kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an. \v 9 Paske gade byen, pou sa, \x + \xo 29:9 \xo*\xt II Kwo 28:5-8\xt*\x*papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa. \v 10 Alò, sa nan kè m \x + \xo 29:10 \xo*\xt II Kwo 23:16\xt*\x*pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou. \v 11 Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske \x + \xo 29:11 \xo*\xt Nonb 3:6\xt*\x*SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.” \p \v 12 Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la; \v 13 epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania; \v 14 epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel. \v 15 Yo te rasanble frè yo, yo te \x + \xo 29:15 \xo*\xt II Kwo 29:5\xt*\x*konsakre yo menm, e te antre \x + \xo 29:15 \xo*\xt I Kwo 23:28\xt*\x*pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a. \v 16 Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan \x + \xo 29:16 \xo*\xt II Kwo 15:16\xt*\x*Vale Cédron an. \v 17 Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi \x + \xo 29:17 \xo*\xt II Kwo 29:3\xt*\x*nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a. \v 18 Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo. \v 19 Anplis, \x + \xo 29:19 \xo*\xt II Kwo 28:24\xt*\x*tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.” \p \v 20 Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a. \v 21 Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit \x + \xo 29:21 \xo*\xt Lev 4:3-14\xt*\x*kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a. \v 22 Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te \x + \xo 29:22 \xo*\xt Lev 4:18\xt*\x*aspèje san an sou lotèl la. \v 23 Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e \x + \xo 29:23 \xo*\xt Lev 4:15\xt*\x*yo te poze men sou yo. \v 24 Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo \x + \xo 29:24 \xo*\xt Lev 4:26\xt*\x*pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël. \p \v 25 Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, \x + \xo 29:25 \xo*\xt II Kwo 8:14\xt*\x*selon kòmand David la avèk \x + \xo 29:25 \xo*\xt II Sam 24:11\xt*\x*Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo. \v 26 Levit yo te kanpe avèk \x + \xo 29:26 \xo*\xt I Kwo 23:5\xt*\x*enstriman mizik a David yo, \x + \xo 29:26 \xo*\xt II Kwo 5:12\xt*\x*prèt yo avèk twonpèt yo. \v 27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, \x + \xo 29:27 \xo*\xt II Kwo 23:18\xt*\x*chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la. \v 28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini. \p \v 29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, \x + \xo 29:29 \xo*\xt II Kwo 20:18\xt*\x*wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon. \v 30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. \x + \xo 29:30 \xo*\xt Sòm 100:1\xt*\x*Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon. \p \v 31 Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. \x + \xo 29:31 \xo*\xt Egz 35:5-22\xt*\x*Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile. \v 32 Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a. \v 33 Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton. \v 34 Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. \x + \xo 29:34 \xo*\xt II Kwo 35:11\xt*\x*Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske \x + \xo 29:34 \xo*\xt II Kwo 30:3\xt*\x*Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo. \v 35 Te gen osi anpil ofrann brile avèk \x + \xo 29:35 \xo*\xt Lev 3:16\xt*\x*grès a ofrann lapè yo, avèk \x + \xo 29:35 \xo*\xt Nonb 15:5-10\xt*\x*ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò. \v 36 Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman. \c 30 \p \v 1 Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la. \v 2 Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon \x + \xo 30:2 \xo*\xt Nonb 9:10-11\xt*\x*pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a. \v 3 Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan \x + \xo 30:3 \xo*\xt II Kwo 29:17-34\xt*\x*lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem. \v 4 Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a. \v 5 Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël \x + \xo 30:5 \xo*\xt Jij 20:1\xt*\x*soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a. \p \v 6 \x + \xo 30:6 \xo*\xt Job 9:25\xt*\x*Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo. \v 7 \x + \xo 30:7 \xo*\xt Éz 20:13\xt*\x*Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a. \v 8 Alò, pa \x + \xo 30:8 \xo*\xt Egz 32:9\xt*\x*fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou. \v 9 Paske \x + \xo 30:9 \xo*\xt Det 30:2\xt*\x*si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. \x + \xo 30:9 \xo*\xt Egz 34:6-7\xt*\x*Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.” \p \v 10 Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men \x + \xo 30:10 \xo*\xt II Kwo 36:16\xt*\x* yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo. \v 11 Sepandan, \x + \xo 30:11 \xo*\xt II Kwo 30:18-25 \xt*\x*kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem. \v 12 Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a. \p \v 13 Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou \x + \xo 30:13 \xo*\xt II Kwo 30:2\xt*\x*selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran. \v 14 Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te \x + \xo 30:14 \xo*\xt II Kwo 28:24\xt*\x*retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an. \v 15 Epi \x + \xo 30:15 \xo*\xt II Kwo 30:2-3\xt*\x*yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a. \v 16 \x + \xo 30:16 \xo*\xt II Kwo 35:10-15\xt*\x*Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo. \v 17 Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a. \v 18 Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, \x + \xo 30:18 \xo*\xt Nonb 9:10\xt*\x*sepandan yo te manje Pak la \x + \xo 30:18 \xo*\xt Egz 12:43-49\xt*\x*yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone \v 19 \x + \xo 30:19 \xo*\xt II Kwo 19:3\xt*\x*tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a.” \p \v 20 Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te \x + \xo 30:20 \xo*\xt Jc 5:16\xt*\x*geri pèp la. \v 21 Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te \x + \xo 30:21 \xo*\xt Egz 12:15\xt*\x*selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a. \v 22 Epi Ézéchias te \x + \xo 30:22 \xo*\xt II Kwo 32:6\xt*\x*pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a. \p \v 23 Anfen, tout asanble a te \x + \xo 30:23 \xo*\xt I Wa 8:65 \xt*\x*deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan. \v 24 Paske \x + \xo 30:24 \xo*\xt II Kwo 35:7-8\xt*\x*Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm. \v 25 Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak \x + \xo 30:25 \xo*\xt II Kwo 30:11-18 \xt*\x*tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo. \v 26 Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem \x + \xo 30:26 \xo*\xt II Kwo 7:8-10\xt*\x*depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la. \v 27 Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan \x + \xo 30:27 \xo*\xt Det 26:15\xt*\x*lye sen Li an, menm nan syèl la. \c 31 \p \v 1 Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te \x + \xo 31:1 \xo*\xt II Wa 18:4\xt*\x*kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo. \p \v 2 Konsa, Ézéchias te apwente \x + \xo 31:2 \xo*\xt I Kwo 24:1\xt*\x*divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a. \v 3 Li te etabli osi \x + \xo 31:3 \xo*\xt II Kwo 35:7\xt*\x*pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, \x + \xo 31:3 \xo*\xt Nonb 28:1-29-40\xt*\x*jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a. \v 4 Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay \x + \xo 31:4 \xo*\xt Nonb 18:8\xt*\x*pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a \x + \xo 31:4 \xo*\xt Mal 2:7 \xt*\x*lalwa SENYÈ a. \v 5 Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans \x + \xo 31:5 \xo*\xt Né 13:12\xt*\x*dim nan de tout bagay. \v 6 Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e \x + \xo 31:6 \xo*\xt Lev 27:30\xt*\x*dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo. \p \v 7 Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a. \v 8 Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk \x + \xo 31:8 \xo*\xt Det 33:29\xt*\x*pèp Israël Li a. \v 9 Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo. \v 10 Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: \x + \xo 31:10 \xo*\xt Mal 3:10\xt*\x*“Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.” \p \v 11 Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare \x + \xo 31:11 \xo*\xt I Wa 6:5-8\xt*\x*chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo. \v 12 Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj \x + \xo 31:12 \xo*\xt II Kwo 35:9\xt*\x*sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan. \v 13 Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e \x + \xo 31:13 \xo*\xt II Kwo 31:10\xt*\x*Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a. \v 14 Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo. \v 15 Anba otorite li, te gen Éden, Minjamin, Josué, Schemaeja, Amaria ak Schecania, nan \x + \xo 31:15 \xo*\xt Jos 21:9-19\xt*\x*vil prèt yo pou separe, fidèlman, bay frè pa yo pa divizyon yo, piti kon gran, \v 16 anplis de sa yo ki te sou chif zansèt yo, pou gason soti nan laj \x + \xo 31:16 \xo*\xt I Kwo 23:3\xt*\x*trantan oswa plis yo—tout moun ki te antre lakay SENYÈ a kòm obligasyon chak jou yo—pou travay nan devwa yo selon divizyon yo; \v 17 ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo \x + \xo 31:17 \xo*\xt I Kwo 23:24\xt*\x*soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo. \v 18 Anrejistreman pa zansèt yo te kontwole tout timoun yo, madanm yo, fis yo ak fi yo, pou tout asanble a, paske yo te konsakre yo menm, fidèlman, nan sentete. \v 19 Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan \x + \xo 31:19 \xo*\xt Lev 25:34\xt*\x*teren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo. \p \v 20 Konsa, Ézéchias te fè patou nan tout Juda; epi \x + \xo 31:20 \xo*\xt II Wa 20:3\xt*\x*li te fè sa ki te bon e dwat devan SENYÈ a, Bondye li a. \v 21 Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te \x + \xo 31:21 \xo*\xt Det 29:9\xt*\x*byen reyisi. \c 32 \p \v 1 Apre zak fidelite sila yo, \x + \xo 32:1 \xo*\xt II Wa 18:13-37\xt*\x*Sanchérib, wa Assyrie a, te vin atake Juda. Li te fè syèj a tout vil fòtifye yo, e li te fè plan pou pouse antre nan yo pou l domine yo pou kont li. \v 2 Alò, lè Ézéchias te wè ke Sanchérib te vini, e ke li te gen plan pou fè lagè sou Jérusalem, \v 3 li te deside avèk ofisye pa li yo ak gèrye pa li yo, pou koupe kouran dlo ki te ale deyò lavil la, e yo te ede li. \v 4 Pou sa, anpil moun te rasanble e \x + \xo 32:4 \xo*\xt II Wa 20:20\xt*\x*te bouche tout sous avèk flèv ki te kouri nan zòn nan. Konsa, yo te di: “Poukisa wa Asiryen yo ta dwe vini pou jwenn tout dlo sa a?” \p \v 5 Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse\x + \xo 32:5 \xo*\xt II Wa 25:4\xt*\x* lòt miray pa deyò pou te fè \x + \xo 32:5 \xo*\xt I Wa 9:24\xt*\x*Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite. \v 6 Li te chwazi chèf militè sou pèp la, e te rasanble yo kote li nan plas kote pòtay vil la. Li te \x + \xo 32:6 \xo*\xt II Kwo 30:22\xt*\x*pale pawòl ki pou ankouraje yo. Li te di: \v 7 “Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul ki avèk l; \x + \xo 32:7 \xo*\xt II Wa 6:16\xt*\x*paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l. \v 8 Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men \x + \xo 32:8 \xo*\xt II Kwo 20:17\xt*\x*avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a. \p \v 9 Apre sa \x + \xo 32:9 \xo*\xt II Wa 18:17\xt*\x*Sanchérib, wa Assyrie a, te voye sèvitè li yo Jérusalem pandan li t ap fè syèj Lakis avèk tout lame li a avèk li kont Ézéchias, wa Juda a, e kont tout Juda ki Jérusalem yo. Li te di: \v 10 Konsa pale Sanchérib, wa Assyrie a: “Sou kilès n ap mete konfyans pou nou ta retire Jérusalem anba syèj? \v 11 Èske Ézéchias p ap egare nou pou fè nou vin mouri avèk grangou ak swaf, pandan l ap di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, va delivre nou soti nan men a wa Assyrie a?’ \v 12 \x + \xo 32:12 \xo*\xt II Kwo 31:1\xt*\x*Èske menm Ézéchias sa a pa t retire wo plas Li yo avèk lotèl Li yo, e te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan yon sèl lotèl e sou li, nou va brile lansan?’ \v 13 Èske nou pa konnen sa mwen avèk zansèt mwen yo te fè a tout pèp nan lòt peyi yo? \x + \xo 32:13 \xo*\xt II Wa 18:33-35\xt*\x*Èske dye nan nasyon yo te gen kapasite menm pou delivre peyi yo anba men mwen? \v 14 \x + \xo 32:14 \xo*\xt És 10:9-11\xt*\x*Kilès ki te gen pami tout dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo pa t detwi nèt, ki ta kapab delivre pèp li a sòti nan men m pou Dye pa w la ta kapab delivre ou soti nan men m? \v 15 Alò, pou sa, pa kite Ézéchias pase nou nan tenten, ni egare nou konsa. Ni pa kwè li, paske \x + \xo 32:15 \xo*\xt És 36:18-20\xt*\x*pa t gen dye nan okenn nasyon oswa wayòm ki te konn delivre pèp li nan men m ni soti nan men a zansèt mwen yo. Konbyen an mwens Dye pa nou an va delivre nou soti nan men m?” \p \v 16 Sèvitè li yo te pale plis kont SENYÈ a, Bondye a, e kont sèvitè li a, Ézéchias. \v 17 Anplis, li te ekri lèt yo pou meprize SENYÈ a, Bondye Israël la, e pou pale kont Li, epi li te di: \x + \xo 32:17 \xo*\xt II Kwo 32:14\xt*\x*“Jan dye nasyon yo ak peyi yo pa t delivre pèp pa yo soti nan men m, konsa Bondye Ézéchias la p ap delivre pèp Li a soti nan men m.” \v 18 Yo te kriye sa byen fò ak gwo vwa nan langaj a Juda, vè pèp Jérusalem ki te sou miray la, pou fè yo pè e teworize yo, pou yo ta kab pran vil la. \v 19 Yo te pale sou Bondye Jérusalem nan kòmsi \x + \xo 32:19 \xo*\xt Sòm 115:4-8 \xt*\x* se youn nan dye a pèp lemond yo, zèv a men de lòm yo. \p \v 20 Men Wa Ézéchias avèk pwofèt Ésaïe, fis a Amots la, te fè lapriyè sou sa a, e te kriye fò anvè syèl la. \p \v 21 Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe. \v 22 Konsa, SENYÈ a te \x + \xo 32:22 \xo*\xt És 31:5\xt*\x*sove Ézéchias avèk moun Jérusalem yo soti nan men a Sanchérib, wa Assyrie a, soti nan men a tout ènmi li yo, e te gide yo tout kote. \v 23 Epi \x + \xo 32:23 \xo*\xt II Sam 8:10\xt*\x*anpil moun t ap pote don bay SENYÈ a Jérusalem ak kado byen chwazi a Ézéchias, wa Juda a, jis apre, li te fin egzalte nan men a tout nasyon yo. \p \v 24 \x + \xo 32:24 \xo*\xt II Wa 20:1-11\xt*\x*Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad jis rive pre lanmò. Li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk li e te ba li yon sign. \v 25 Men Ézéchias pa t remèt anyen pou benefis li te resevwa a, \x + \xo 32:25 \xo*\xt II Kwo 26:16; II Kwo 24:18\xt*\x*paske kè li te plen ògèy. Akoz sa, kòlè SENYÈ a te vini sou li avèk Juda ak Jérusalem. \v 26 Men Ézéchias te vin desann ògèy kè li a, ni li menm, ni pèp Jérusalem nan, jiskaske kòlè pa t rive sou yo pandan jou a Ézéchias yo. \p \v 27 Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè, \v 28 anplis, depo pou konsève sereyal, diven avèk lwil, pak pou tout kalite bèt, avèk pak pou bann yo. \v 29 Li te fè vil pou li menm, e te vin genyen bann mouton avèk twoupo an gran kantite, paske \x + \xo 32:29 \xo*\xt I Kwo 29:12\xt*\x*Bondye te ba li anpil richès. \v 30 Se te Ézéchias ki te \x + \xo 32:30 \xo*\xt II Wa 20:20\xt*\x*bouche sous piwo dlo Guihon yo, e te dirije yo rive nan pati lwès lavil David la. Ézéchias te byen reyisi nan tout sa li te fè. \p \v 31 Men nan afè \x + \xo 32:31 \xo*\xt II Wa 20:20\xt*\x*mesaje ki sòti Babylone yo, ki te voye bò kote li pou aprann tout mèvèy ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite li, pou L ta ka pase l nan eprèv pou wè tout sa ki te nan kè l. \p \v 32 Alò, tout lòt zèv Ézéchias yo avèk zèv fidèl li yo, vwala, yo ekri nan vizyon Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, nan Liv A Wa Juda Avèk Israël Yo. \v 33 Konsa, Ézéchias te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan chemen an ki monte kote tonm fis a David yo. Tout Juda avèk pèp Jérusalem nan te \x + \xo 32:33 \xo*\xt Sòm 112:6\xt*\x*onore li nan lanmò li. Fis li a, Manassé te devni wa nan plas li. \c 33 \p \v 1 \x + \xo 33:1 \xo*\xt II Wa 21:1-9\xt*\x*Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem. \v 2 \x + \xo 33:2 \xo*\xt II Kwo 28:3\xt*\x*Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, selon abominasyon yo a nasyon an ke SENYÈ a te chase deyò devan fis Israël yo. \v 3 Paske \x + \xo 33:3 \xo*\xt II Kwo 31:1\xt*\x*li te rebati wo plas ke Ézéchias, papa li te kraze yo. Anplis, li te monte lotèl pou Baal yo. Li te fè Asherim yo, e li te adore tout lame syèl yo e te sèvi yo. \v 4 \x + \xo 33:4 \xo*\xt II Kwo 28:24 \xt*\x*Li te bati lotèl lakay SENYÈ a sou sila yo SENYÈ a te di: “Se non Mwen k ap nan Jérusalem jis pou tout tan an.” \v 5 Paske li te bati lotèl pou tout lame syèl yo nan \x + \xo 33:5 \xo*\xt II Kwo 4:9\xt*\x*de lakou lakay SENYÈ yo. \v 6 \x + \xo 33:6 \xo*\xt II Kwo 28:3\xt*\x*Anplis, li te fè fis li yo pase nan dife nan vale Ben-Hinnom, epi li te pratike vye maji, divinasyon, fè wanga e li te fè angajman avèk sila ki pale ak mò yo ak divinò yo. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè. \v 7 Li te mete \x + \xo 33:7 \xo*\xt II Kwo 33:15\xt*\x*imaj taye ke li te fè lakay Bondye a, sou sila Bondye te di a David ak Salomon, fis li a: “Nan kay sila a ak nan Jérusalem, ke Mwen te chwazi soti nan tout tribi Israël yo, Mwen va mete non Mwen jis pou tout tan. \v 8 Mwen p ap retire ankò pye Israël soti nan peyi \x + \xo 33:8 \xo*\xt II Sam 7:10 \xt*\x*ke Mwen te chwazi pou papa zansèt nou yo, si sèlman yo va obsève pou fè tout sa ke M te kòmande yo pa tout lalwa, règleman avèk òdonans ki te bay pa Moïse yo.” \v 9 Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo. \p \v 10 SENYÈ a te pale ak Manassé avèk pèp li a, men \x + \xo 33:10 \xo*\xt Né 9:29\xt*\x*yo pa t okipe sa menm. \v 11 Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te \x + \xo 33:11 \xo*\xt II Kwo 36:6\xt*\x*mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone. \p \v 12 Pandan \x + \xo 33:12 \xo*\xt Sòm 130:1-2\xt*\x*li te nan gwo twoub, li te sipliye SENYÈ a, Bondye pa li a, devan Bondye a zansèt li yo. \v 13 Lè li te priye a Li menm, \x + \xo 33:13 \xo*\xt I Kwo 5:20\xt*\x*Li te touche pa priyè li a. Konsa, Li te tande siplikasyon li an, e te mennen li ankò Jérusalem kote wayòm li an. Konsa, Manassé te konnen ke SENYÈ a te Bondye. \p \v 14 Alò, apre sa li te bati miray deyò lavil David la sou kote lwès a \x + \xo 33:14 \xo*\xt I Wa 1:33\xt*\x*Guihon, nan vale a, menm pou rive nan antre Pòtay Pwason an. Li te antoure Ophel la avèk li, e te fè li byen wo, epi li te mete chèf lame yo nan tout vil fòtifye Juda yo. \v 15 Anplis, li te \x + \xo 33:15 \xo*\xt II Kwo 33:3-7\xt*\x*retire dye etranje yo avèk zidòl yo soti lakay SENYÈ a. Tout lotèl ke li te bati sou mòn lakay SENYÈ a ak nan Jérusalem yo, li te jete yo deyò lavil la. \v 16 Li te monte lotèl SENYÈ a, e te fè sakrifis \x + \xo 33:16 \xo*\xt Lev 7:11-18\xt*\x*ofrann lapè avèk ofrann remèsiman sou li; epi li te kòmande Juda pou sèvi SENYÈ a, Bondye Israël la. \v 17 Sepandan, \x + \xo 33:17 \xo*\xt II Kwo 32:12\xt*\x*pèp la te toujou fè sakrifis nan lye wo yo, men sèlman a SENYÈ Bondye pa yo a. \p \v 18 Alò, tout lòt zèv Manassé yo, menm \x + \xo 33:18 \xo*\xt II Kwo 33:12-13\xt*\x*lapriyè li a Bondye pa li a, ak pawòl a divinè yo ki te pale avèk li nan non SENYÈ a, Bondye Israël la, men gade, yo pami achiv a wa Israël yo. \v 19 Anplis lapriyè li, \x + \xo 33:19 \xo*\xt II Kwo 33:13\xt*\x* jan li te sipliye Bondye a, ak tout peche li yo, enfidelite li ak \x + \xo 33:19 \xo*\xt II Kwo 33:3\xt*\x*landwa ke li te bati wo plas pou te fè monte Asherim yo, ak imaj taye yo, avan li te vin imilye li menm, gade, yo tout ekri nan achiv a Hozaï yo. \v 20 Konsa, Manassé te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan pwòp kay li. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li. \p \v 21 \x + \xo 33:21 \xo*\xt II Wa 21:19-24\xt*\x*Amon te gen laj a venn-dezan lè l te devni wa, e li te renye dezan Jérusalem. \v 22 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a tankou Manassé, papa li, te konn fè a, e Amon te fè sakrifis a tout \x + \xo 33:22 \xo*\xt II Kwo 34:3-4\xt*\x*imaj taye ke papa li, Manassé te fè yo, e li te sèvi yo. \v 23 Anplis, li pa t imilye li menm devan SENYÈ a \x + \xo 33:23 \xo*\xt II Kwo 33:12\xt*\x*jan papa li, Manassé te fè a, men Amon te ogmante koupabilite li. \v 24 Anfen, sèvitè li yo te \x + \xo 33:24 \xo*\xt II Kwo 25:27\xt*\x*fè konplo kont li, e te mete li a lanmò nan pwòp kay pa li. \v 25 Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li. \c 34 \p \v 1 \x + \xo 34:1 \xo*\xt II Wa 22:1-2\xt*\x*Josias te gen laj a uitan lè l te devni wa a, e li te renye tran-te-yen nan Jérusalem. \v 2 \x + \xo 34:2 \xo*\xt II Kwo 29:2\xt*\x*Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a. Li te mache nan chemen a David, papa zansèt pa li a e li pa t vire akote ni adwat ni agoch. \v 3 Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse \x + \xo 34:3 \xo*\xt I Wa 13:2\xt*\x*pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo. \v 4 Yo te chire desann lotèl Baal yo nan prezans li, \x + \xo 34:4 \xo*\xt II Wa 23:4-11\xt*\x*lotèl lansan ki te byen wo sou yo, li te koupe yo desann. Anplis, Asherim yo, imaj taye yo ak imaj fonn yo, li te kase yo an mòso, kraze yo fè poud e li te gaye l sou tonm a sila ki te fè sakrifis a yo menm yo. \v 5 \x + \xo 34:5 \xo*\xt I Wa 13:2\xt*\x*Li te brile zo a prèt Baal yo sou lotèl la, e li te pirifye Juda avèk Jérusalem. \v 6 \x + \xo 34:6 \xo*\xt II Kwo 23:15-19\xt*\x*Nan vil a Manassé yo, Éphraïm, Siméon, jis rive Nephthali, nan mazi kraze yo, \v 7 li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te \x + \xo 34:7 \xo*\xt II Kwo 31:1\xt*\x*kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem. \p \v 8 \x + \xo 34:8 \xo*\xt II Wa 22:3-20\xt*\x*Alò, nan di-zuityèm ane règn li a, lè li te fin pirifye peyi a avèk kay la, li te voye Schaphan, fis a Atsalia a avèk Maaséja, yon ofisye lavil la ak Joach, fis a Joachaz la, grefye a, pou repare lakay SENYÈ a, Bondye li a. \v 9 Yo te vin kote Hilkaja, wo prèt la, e yo te livre li lajan ki te pote lakay Bondye a, ke Levit yo, gadyen pòtay yo, te kolekte soti \x + \xo 34:9 \xo*\xt II Kwo 30:10-18\xt*\x*Manassé, Éphraïm, de tout retay Israël yo, e soti nan tout Juda avèk Benjamin ak pèp Jérusalem nan. \v 10 Yo te ba li nan men a ouvriye ki te sipèvize lakay SENYÈ a, epi ouvriye ki t ap travay lakay SENYÈ a te sèvi ak li pou restore e repare kay la. \v 11 Yo menm, te remèt li a chapant avèk mason yo pou achte wòch taye avèk gwo bwa pou travès ak bwa mare pou kay \x + \xo 34:11 \xo*\xt II Kwo 33:4-7\xt*\x*ke wa nan Juda yo te kite detwi yo. \v 12 \x + \xo 34:12 \xo*\xt II Wa 12:15\xt*\x*Mesye yo te fè travay la avèk bòn fwa ak fòmann ki sou yo pou sipèvize yo. Yo te sipèrvize pa Jachath avèk Abidias, Levit yo nan fis a Merari yo, Zacharie avèk Meschallam nan fis a Keatit yo ak Levit yo, tout moun ki te gen gwo kapasite, ak lòt ki te fò nan jwe enstriman mizik yo. \v 13 Anplis, yo te \x + \xo 34:13 \xo*\xt Né 4:10\xt*\x*sou sila ki t ap pote chaj yo, e yo te sipèvize tout ouvriye soti de yon tach a yon lòt. Pami Levit yo te gen skrib, ofisye ak sipèvizè. \p \v 14 Lè yo t ap pote fè sòti lajan ki te antre lakay SENYÈ a, \x + \xo 34:14 \xo*\xt II Kwo 34:9\xt*\x*Hilkija, prèt la, te twouve liv lalwa SENYÈ a ki te bay pa Moïse la. \v 15 Hilkija te reponn e te di a Schaphan, sekretè a: “Mwen te twouve liv lalwa lakay SENYÈ a.” Epi Hilkija te bay liv la a Schaphan. \p \v 16 Konsa, Schaphan te pote liv la kote wa a, e te bay yon rapò anplis a wa a. Li te di: “Tout sa ou te konfye a sèvitè ou yo, y ap fè l. \v 17 Yo deja retire lajan yo te twouve lakay SENYÈ a, e te livre li nan men a sipèvizè yo ak ouvriye yo.” \v 18 Anplis, Schaphan, sekretè a te di wa a, “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li ladann nan, nan prezans a wa a. \p \v 19 Lè wa a te tande \x + \xo 34:19 \xo*\xt Det 28:3-68 \xt*\x*pawòl lalwa yo, \x + \xo 34:19 \xo*\xt Jos 7:6\xt*\x*li te chire rad li. \v 20 Epi wa a te kòmande Hilkija, Achikam, fis a Schaphan nan, Abdon, fis Michée a, Schaphan, sekretè a ak Asaja, sèvitè a wa a e te di: \v 21 “Ale fè ankèt a SENYÈ a pou mwen e pou sila ki rete Israël avèk Juda yo, konsènan pawòl a liv ki te twouve a; paske \x + \xo 34:21 \xo*\xt II Kwo 29:8\xt*\x*byen gwo, se kòlè SENYÈ a ki vide sou nou akoz papa zansèt nou yo pa t obsève pawòl a SENYÈ a, pou fè selon tout sa ki ekri nan liv sila a.” \p \v 22 Konsa, Hilkija avèk sila ke wa a te pale yo te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thokehath la, fis a Hasra a, gadyen vètman yo, (alò, li te rete Jérusalem nan dezyèm katye); epi yo te pale avèk li konsa. \p \v 23 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Di nonm ki te voye nou kote mwen an, \v 24 Konsa pale SENYÈ a: Veye byen, \x + \xo 34:24 \xo*\xt II Kwo 36:14-20\xt*\x*Mwen ap voye malè sou plas sa a ak sou pèp li a, menm tout \x + \xo 34:24 \xo*\xt Det 28:15-68\xt*\x*malediksyon ki ekri nan liv ke yo te li nan prezans a wa Juda a. \v 25 Akoz yo te abandone Mwen, e \x + \xo 34:25 \xo*\xt II Kwo 33:3\xt*\x*te brile lansan a lòt dye yo, pou yo ta kapab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv a men yo; pou sa, kòlè Mwen va vin vide sou plas sa a e li p ap etenn.’”’ \p \v 26 “Men pou wa Juda ki te voye nou fè ankèt devan SENYÈ a, konsa nou va pale a li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la selon pawòl ke ou te tande yo, \v 27 \x + \xo 34:27 \xo*\xt II Wa 22:19\xt*\x*akoz kè ou te mou e ou te imilye ou menm devan Bondye lè ou te tande pawòl Li yo kont plas sa a, e kont pèp li a, akoz ou te imilye ou menm devan Mwen, ou te chire vètman ou e ou te kriye devan M, Mwen anverite te tande ou’, deklare SENYÈ a. \v 28 Tande byen, Mwen va ranmase ou a papa zansèt ou yo, e ou va ranmase a tonm ou an anpè, pou zye ou pa wè tout malè ke Mwen va pote sou plas sa a avèk pèp li a.” \p Yo te pote bay wa a mesaj sila a. \p \v 29 Epi \x + \xo 34:29 \xo*\xt II Wa 23:1-3\xt*\x*wa a te voye rasanble tout ansyen a Juda avèk Jérusalem yo. \v 30 Wa a te monte vè lakay SENYÈ a, e \x + \xo 34:30 \xo*\xt Né 8:1-3\xt*\x*tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo, e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a. \v 31 Wa a te kanpe nan plas li a, e te \x + \xo 34:31 \xo*\xt II Kwo 23:16\xt*\x*fè yon akò devan SENYÈ a pou mache nan chemen SENYÈ a, pou kenbe kòmandman Li yo avèk temwayaj Li yo, avèk règleman Li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou reyisi fè tout pawòl a akò ki ekri nan liv sila yo. \v 32 Anplis, li te fè tout moun ki te prezan Jérusalem avèk Benjamin yo kanpe avèk li. Konsa, pèp Jérusalem la te fè selon akò Bondye a, Bondye a papa zansèt yo a. \v 33 Josias te \x + \xo 34:33 \xo*\xt II Kwo 34:3-7\xt*\x*retire tout abominasyon soti nan tout peyi ki te apatyen a fis Israël yo e te fè tout moun ki te prezan an Israël yo sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a. Pandan tout lavi li, yo pa t detounen nan swiv SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. \c 35 \p \v 1 Epi Josias te \x + \xo 35:1 \xo*\xt II Wa 23:21\xt*\x*selebre fèt Pak a SENYÈ a Jérusalem. Yo te touye bèt pou Pak la sou katòzyèm jou nan premye mwa a. \v 2 Li te plase prèt yo nan pozisyon pa yo e te \x + \xo 35:2 \xo*\xt II Kwo 29:11\xt*\x*ankouraje yo nan sèvis lakay SENYÈ a. \v 3 Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. \x + \xo 35:3 \xo*\xt I Kwo 23:26\xt*\x*Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël. \v 4 \x + \xo 35:4 \xo*\xt I Kwo 9:10-13\xt*\x*Prepare nou menm selon lakay papa zansèt nou yo nan divizyon nou yo selon ekriti a David la, wa Israël la e selon ekriti a fis li a, Salomon. \v 5 Anplis, \x + \xo 35:5 \xo*\xt Esd 6:18\xt*\x*kanpe nan lye sen an selon divizyon lakay papa zansèt nou yo ak frè nou yo ak selon Levit yo, pa divizyon lakay papa zansèt nou yo. \v 6 Alò, touye bèt Pak la, \x + \xo 35:6 \xo*\xt II Kwo 29:5\xt*\x*sanktifye nou e prepare pou frè nou yo pou fè selon pawòl SENYÈ a, selon Moïse.” \p \v 7 Josias te fè kontribisyon pou pèp la, tout sa ki te prezan, bann jenn mouton yo ak jenn kabrit yo, tout pou ofrann Pak la, an kantite trant-mil, plis twa-mil towo. Sila yo te sòti nan byen ki te pou wa a. \v 8 Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, \x + \xo 35:8 \xo*\xt II Kwo 31:13\xt*\x*chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo. \v 9 Conania osi avèk Schemaeja ak Nethaneel, frè li yo, Haschabia, Jeïel avèk Jozabad, ofisye Levit yo, te kontribye a Levit yo pou ofrann Pak la, senk-mil ki sòti nan bann mouton an ak senk-san towo. \p \v 10 Pou sa, sèvis la te fin prepare e \x + \xo 35:10 \xo*\xt II Kwo 35:5\xt*\x*prèt yo te kanpe nan estasyon pa yo avèk Levit yo nan divizyon pa yo selon lòd a wa a. \v 11 Yo te touye bèt Pak yo e pandan \x + \xo 35:11 \xo*\xt II Kwo 29:22\xt*\x*prèt yo t ap aspèje san ki te resevwa soti nan men Levit yo, \x + \xo 35:11 \xo*\xt II Kwo 29:34\xt*\x* epi Levit yo t ap retire pwal yo. \v 12 Yo te retire ofrann brile yo pou yo ta kab bay yo selon divizyon lakay papa zansèt yo pou pèp la pou prezante a SENYÈ a jan sa ekri nan liv Moïse la. Yo te fè sa tou avèk towo yo. \v 13 Konsa, \x + \xo 35:13 \xo*\xt Egz 12:8-9\xt*\x*yo te boukannen bèt Pak yo, sou dife selon règleman an, yo te bouyi \x + \xo 35:13 \xo*\xt Lev 6:28\xt*\x*bagay sen yo nan bonm, chodyè ak nan kaswòl e yo te pote yo avèk vitès a tout pèp òdinè yo. \v 14 Apre yo te prepare pou yo menm e pou prèt yo, akoz prèt yo, fis a Aaron yo t ap ofri ofrann brile avèk grès jis rive nan aswè. Pou sa, Levit yo te prepare pou yo menm ak pou prèt yo, fis a Aaron yo. \v 15 Anplis, chantè yo, fis a Asaph yo te nan estasyon pa yo selon kòmand a David la, Asaph, Héman, avèk Jeudthun, konseye a wa a; epi \x + \xo 35:15 \xo*\xt I Kwo 26:12-19\xt*\x*gadyen pòtay te nan chak pòtay. Yo pa t oblije sòti nan sèvis pa yo akoz frè yo te prepare pou yo. \p \v 16 Konsa, tout sèvis SENYÈ a te prepare nan jou sa a pou selebre Pak la e pou ofri ofrann brile yo sou lotèl SENYÈ a selon kòmand a Wa Josias la. \v 17 \x + \xo 35:17 \xo*\xt Egz 12:1-20\xt*\x*Fis Israël ki te prezan yo te selebre Pak la nan lè sa a ak Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou. \v 18 \x + \xo 35:18 \xo*\xt II Wa 23:21\xt*\x*Pa t janm gen yon selebrasyon Pak tankou sa an Israël depi jou a Samuel yo, pwofèt la. Ni pa te gen okenn nan wa Israël yo ki te selebre yon Pak jan Josias te fè avèk prèt yo, Levit yo, tout Juda, Israël ki te prezan yo ak pèp Jérusalem nan. \v 19 Se te nan uityèm ane règn Josias la, ke Pak sa a te selebre. \p \v 20 \x + \xo 35:20 \xo*\xt II Wa 23:29-30\xt*\x*Apre tout sa, lè Josias te mete tanp lan an lòd, Néco, wa Egypte la, te vin monte pou fè lagè Carkemisch, sou rivyè Euphrate la, e Josias te parèt deyò pou rankontre li. \v 21 Men Néco te voye mesaje yo kote li. Li te di: \x + \xo 35:21 \xo*\xt II Kwo 25:19\xt*\x*“Kisa nou gen pou fè youn avèk lòt, O Wa Juda a? Se pa kont ou ke m ap vini jodi a, men kont kay avèk sila mwen angaje nan lagè yo. Bondye te kòmande mwen fè prese. Byen avèti ke se Bondye ki avè m nan, pou Li pa detwi ou.” \p \v 22 Sepandan, Josias te refize vire kite li, men li te \x + \xo 35:22 \xo*\xt II Kwo 18:29\xt*\x*kache idantite li pou l ta kab fè lagè avèk li. Li pa t koute pawòl a Néco ki soti nan bouch Bondye a, men li te vin fè lagè sou plèn Méguiddo a. \v 23 Achè yo te tire Wa Josias, e wa a te di a sèvitè li yo: “Ale avè m, sòti, paske mwen blese byen grav.” \p \v 24 Pou sa, sèvitè li yo te retire li nan cha a, e yo te pote li nan dezyèm cha li te genyen an. Yo te mennen li Jérusalem kote li te mouri, e li te antere nan tonm a papa zansèt li yo. \x + \xo 35:24 \xo*\xt Za 12:11\xt*\x*Tout Juda avèk Jérusalem te kriye pou Josias. \v 25 Konsa, \x + \xo 35:25 \xo*\xt Jr 22:10\xt*\x*Jérémie te chante yon lamantasyon pou Josias. Epi tout chantè yo, ni gason, ni fanm pale sou Josias nan lamantasyon yo jis rive jodi a. Konsa, yo te fè avèk yo yon òdonans an Israël. Men gade, yo ekri nan Lamantasyon yo. \v 26 Alò, tout lòt zèv a Josias yo avèk zèv fidelite pa li yo, jan sa ki ekri nan lalwa SENYÈ yo, \v 27 ak zèv li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël Avèk Juda yo. \c 36 \p \v 1 \x + \xo 36:1 \xo*\xt II Wa 23:30-34\xt*\x*Alò, pèp peyi a te pran Joachaz, fis Josias la, e yo te fè li wa nan plas papa li Jérusalem. \v 2 Joachaz te gen venn-twazan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa Jérusalem. \v 3 Epi wa Egypte la te retire li sou pouvwa a Jérusalem, e li te egzije yon kontribisyon de san talan ajan ak yon talan lò sou peyi a. \v 4 Wa Egypte la te fè Éliakim, frè l la, wa sou Juda avèk Jérusalem, e li te chanje non li an Jojakim. Men \x + \xo 36:4 \xo*\xt Jr 22:10-12\xt*\x*Néco te pran frè li a, Joachaz e te mennen li an Égypte. \p \v 5 \x + \xo 36:5 \xo*\xt II Wa 23:36-37\xt*\x*Jojakim te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa e li te renye onzan Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a, Bondye li a. \v 6 Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont li, e te \x + \xo 36:6 \xo*\xt II Kwo 33:11\xt*\x*mare li avèk chenn an bwonz pou mennen li Babylone. \v 7 Anplis, \x + \xo 36:7 \xo*\xt II Wa 24:13\xt*\x*Nebucadnetsar te mennen kèk nan bagay ki sòti lakay SENYÈ a Babylone, e te mete yo nan tanp Babylone nan. \v 8 Alò, tout lòt zèv a Jojakim yo avèk abominasyon ke li te fè yo, ak sa ki te twouve kont li yo, men vwala, yo ekri nan Liv A Wa A Israël Avèk Juda yo. Epi Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li. \p \v 9 \x + \xo 36:9 \xo*\xt II Wa 24:8-17\xt*\x*Jojakin te gen laj a uitan lè l te vin wa, e li te renye twa mwa avèk dis jou Jérusalem. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. \v 10 Nan kòmansman ane a, Wa Nebucadnetsar te mennen li Babylone avèk bagay byen chè ki te sòti lakay SENYÈ a. Li te fè moun fanmi li, \x + \xo 36:10 \xo*\xt Jr 37:1\xt*\x*Sédécias, wa sou Juda avèk Jérusalem. \p \v 11 \x + \xo 36:11 \xo*\xt II Wa 24:18-20\xt*\x*Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem. \v 12 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a, Bondye li a. Li pa t imilye li menm \x + \xo 36:12 \xo*\xt Jr 21:3-7\xt*\x*devan Jérémie, pwofèt ki te pale pou SENYÈ a. \v 13 \x + \xo 36:13 \xo*\xt Jr 52:3\xt*\x*Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men \x + \xo 36:13 \xo*\xt II Kwo 30:8\xt*\x*li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la. \v 14 Epi, ofisye a prèt yo avèk pèp la te manke fidèl anpil nan swiv tout abominasyon a nasyon yo, e yo te konwonpi kay ke SENYÈ a te fè sen Jérusalem nan. \p \v 15 SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a, te \x + \xo 36:15 \xo*\xt Jr 7:13\xt*\x*voye kote yo tout tan pa mesaje pa Li yo, akoz li te gen mizerikòd vè pèp li a ak sou kote ke Li te abite a; \v 16 men yo te \x + \xo 36:16 \xo*\xt II Kwo 30:10\xt*\x*giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa. \p \v 17 \x + \xo 36:17 \xo*\xt II Wa 25:1-7\xt*\x*Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li. \v 18 \x + \xo 36:18 \xo*\xt II Kwo 36:7-10\xt*\x*Tout bagay ki te sòti lakay SENYÈ a, gran kon piti, trezò lakay SENYÈ a ak trezò a wa yo avèk ofisye li yo, li te mennen tout Babylone. \v 19 Anfen, \x + \xo 36:19 \xo*\xt I Wa 9:8\xt*\x*yo te brile kay Bondye a, yo te kraze miray Jérusalem nan, yo te brile tout konstriksyon fòtifye li yo avèk dife, e yo te detwi tout bagay valab li yo. \v 20 Sila ki te chape anba nepe yo, li te \x + \xo 36:20 \xo*\xt II Wa 25:11\xt*\x*pote yo ale Babylone; epi yo te \x + \xo 36:20 \xo*\xt Jr 27:7\xt*\x*sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte. \v 21 Sa te fèt \x + \xo 36:21 \xo*\xt Jr 29:10\xt*\x*pou fin akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch a Jérémie, jiskaske tè a te fin rejwi de tout Saba li yo. Pandan tout jou dezolasyon li yo, li te kenbe Saba a \x + \xo 36:21 \xo*\xt Jr 25:11\xt*\x*jiskaske swasann-dizan an te fin pase. \p \v 22 Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a \x + \xo 36:22 \xo*\xt Jr 25:12\xt*\x*pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di: \v 23 Konsa pale Cyrus, wa Perse la: “SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè, e Li te mete m anba lòd pou bati pou Li yon kay Jérusalem, ki nan Juda. Ke SENYÈ a, Bondye pa li a, kapab avèk li e kite li monte.”