\id 1TH \ide UTF-8 \h I Tesalonisyen Yo \toc1 I TESALONISYEN YO \toc2 I Tesalonisyen Yo \toc3 I Tes \mt1 I TESALONISYEN YO \c 1 \p \v 1 \x + \xo 1:1 \xo*\xt II Tes 1:1\xt*\x*Paul, \x + \xo 1:1 \xo*\xt II Kor 1:19\xt*\x*Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè. \p \v 2 \x + \xo 1:2 \xo*\xt Wo 1:8\xt*\x*Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. \v 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv \x + \xo 1:3 \xo*\xt I Kor 13:13\xt*\x*lanmou nou yo; jan nou te \x + \xo 1:3 \xo*\xt Wo 8:25\xt*\x*kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. \v 4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa \x + \xo 1:4 \xo*\xt II Pi 1:10\xt*\x*Li menm de nou an. \v 5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi \x + \xo 1:5 \xo*\xt Wo 15:19\xt*\x*nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou. \p \v 6 Nou osi te devni \x + \xo 1:6 \xo*\xt I Kor 4:16\xt*\x*imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk \x + \xo 1:6 \xo*\xt Trav 13:52\xt*\x*lajwa Lespri Sen an. \v 7 Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan \x + \xo 1:7 \xo*\xt Wo 15:26\xt*\x*Macédoine ak nan Achaïe yo. \v 8 Paske \x + \xo 1:8 \xo*\xt Kol 3:16\xt*\x*pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen. \p \v 9 Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou \x + \xo 1:9 \xo*\xt Trav 14:15\xt*\x*te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè, \v 10 epi pou \x + \xo 1:10 \xo*\xt I Kor 1:7\xt*\x*tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki \x + \xo 1:10 \xo*\xt Wo 5:9\xt*\x*delivre nou anba kòlè k ap vini an. \c 2 \p \v 1 Paske nou menm konnen, frè m yo, ke aparans nou pami nou menm nan \x + \xo 2:1 \xo*\xt II Tes 1:10\xt*\x*pa t anven. \v 2 Men apre nou te deja soufri e \x + \xo 2:2 \xo*\xt Trav 14:5\xt*\x*maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou \x + \xo 2:2 \xo*\xt Trav 17:1-9\xt*\x*pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon. \p \v 3 Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan \x + \xo 2:3 \xo*\xt I Tes 4:7\xt*\x*salte, ni \x + \xo 2:3 \xo*\xt II Kwo 4:2\xt*\x*nan fason pou twonpe moun. \v 4 Men jis jan nou te vin apwouve pa Bondye a pou \x + \xo 2:4 \xo*\xt Gal 2:7\xt*\x*vin konfye nou levanjil la; alò nou pale, pa pou fè lòm plezi, men pou Bondye ki egzamine kè nou yo. \p \v 5 Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon \x + \xo 2:5 \xo*\xt Trav 20:33\xt*\x*pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen) \v 6 ni nou pa t \x + \xo 2:6 \xo*\xt Jn 5:41,44\xt*\x*chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou. \v 7 Men nou te pwouve nou \x + \xo 2:7 \xo*\xt II Tim 2:24\xt*\x*plen dousè pami nou, tankou yon manman nouris ki byen pran swen pwòp pitit li. \p \v 8 Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan \x + \xo 2:8 \xo*\xt II Kor 12:15\xt*\x*pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm. \p \v 9 Paske nou sonje, frè yo \x + \xo 2:9 \xo*\xt II Tes 3:8\xt*\x*travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon \x + \xo 2:9 \xo*\xt II Kor 11:9\xt*\x*chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a. \v 10 Nou se temwen, e Bondye osi \x + \xo 2:10 \xo*\xt II Kor 1:12\xt*\x*de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo. \p \v 11 Jis kon nou konnen jan nou t ap \x + \xo 2:11 \xo*\xt I Tes 5:14\xt*\x*egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou \x + \xo 2:11 \xo*\xt I Kor 4:14\xt*\x*yon papa ta dwe fè pwòp pitit li, \v 12 pou nou ta kab \x + \xo 2:12 \xo*\xt Ef 4:1\xt*\x*mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm \x + \xo 2:12 \xo*\xt II Kor 4:6\xt*\x*ak laglwa Li a. \p \v 13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa \x + \xo 2:13 \xo*\xt Wo 10:17\xt*\x*pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li \x + \xo 2:13 \xo*\xt Mat 10:20\xt*\x*pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo. \p \v 14 Paske nou menm, frè m yo, nou te devni imitatè a legliz Bondye nan Kris Jésus ki \x + \xo 2:14 \xo*\xt Gal 1:22\xt*\x*an Judée yo. Konsa, nou \x + \xo 2:14 \xo*\xt Trav 17:5\xt*\x*te andire menm soufrans sa yo nan men a pwòp moun peyi parèy a nou yo, jan yo menm te andire l nan men a Jwif yo. \p \v 15 \x + \xo 2:15 \xo*\xt Luc 24:20\xt*\x*Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun. \v 16 Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou \x + \xo 2:16 \xo*\xt Jen 15:16\xt*\x*ranpli mezi peche pa yo. Men lakolè gen tan vini sou yo pi rèd. \p \v 17 Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan—\x + \xo 2:17 \xo*\xt I Kor 5:3\xt*\x*kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi empasyan ak lanvi pou wè figi nou. \v 18 Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan \x + \xo 2:18 \xo*\xt Wo 1:13\xt*\x*te anpeche nou. \p \v 19 Paske kilès ki esperans nou, oubyen \x + \xo 2:19 \xo*\xt Fil 4:1\xt*\x*lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan \x + \xo 2:19 \xo*\xt Mat 16:27\xt*\x*moman retou Li a. \v 20 Paske nou se \x + \xo 2:20 \xo*\xt II Kor 1:14\xt*\x*laglwa ak lajwa nou. \c 3 \p \v 1 Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan \x + \xo 3:1 \xo*\xt Trav 17:15\xt*\x*Athènes sèl. \v 2 Konsa, nou te voye \x + \xo 3:2 \xo*\xt II Kor 1:1\xt*\x*Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, \v 3 pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke \x + \xo 3:3 \xo*\xt Trav 9:16\xt*\x*nou te destine pou sa. \v 4 Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, \x + \xo 3:4 \xo*\xt I Tes 2:14\xt*\x*e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an. \p \v 5 Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou \x + \xo 3:5 \xo*\xt Mat 4:3\xt*\x*tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou \x + \xo 3:5 \xo*\xt II Kwo 6:1\xt*\x*travay nou an ta anven. \p \v 6 Men koulye a, ke \x + \xo 3:6 \xo*\xt Trav 18:5\xt*\x*Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de \x + \xo 3:6 \xo*\xt I Tes 1:3\xt*\x*lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a. \v 7 Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou. \v 8 Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou \x + \xo 3:8 \xo*\xt I Kwo 16:13\xt*\x*kanpe fèm nan Senyè a. \p \v 9 Paske \x + \xo 3:9 \xo*\xt I Tes 1:2\xt*\x*ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm? \v 10 Antretan \x + \xo 3:10 \xo*\xt II Tim 1:3\xt*\x*lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab \x + \xo 3:10 \xo*\xt II Kor 13:9\xt*\x*konplete sa ki manke nan konnesans lafwa nou. \p \v 11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an \x + \xo 3:11 \xo*\xt I Tes 5:23\xt*\x*Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. \v 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e \x + \xo 3:12 \xo*\xt Fil 1:9\xt*\x*ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. \v 13 Pou Li kapab \x + \xo 3:13 \xo*\xt I Kor 1:8\xt*\x*etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo. \c 4 \p \v 1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe \x + \xo 4:1 \xo*\xt Ef 4:1\xt*\x*mache pou \x + \xo 4:1 \xo*\xt II Kor 5:9\xt*\x*fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. \v 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus. \p \v 3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,\x + \xo 4:3 \xo*\xt I Kor 6:18\xt*\x*pa fè imoralite seksyèl, \v 4 ke \x + \xo 4:4 \xo*\xt I Kwo 7:2,9\xt*\x*chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, \v 5 pa nan \x + \xo 4:5 \xo*\xt Wo 1:26\xt*\x*pasyon lanvi lachè, tankou payen ki \x + \xo 4:5 \xo*\xt Gal 4:8\xt*\x*pa konnen Bondye yo; \v 6 epi pou pèsòn pa transgrese e \x + \xo 4:6 \xo*\xt I Kor 6:8\xt*\x*vòlè frè l nan bagay sila, paske \x + \xo 4:6 \xo*\xt Wo 12:19\xt*\x*Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a. \p \v 7 Paske Bondye pa t rele nou \x + \xo 4:7 \xo*\xt I Tes 2:3\xt*\x*pou fè salte, men nan sanktifikasyon. \v 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki \x + \xo 4:8 \xo*\xt Wo 5:5\xt*\x*bannou Lespri Sen Li an. \p \v 9 Alò, jan pou \x + \xo 4:9 \xo*\xt Jn 13:34\xt*\x*lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te \x + \xo 4:9 \xo*\xt I Jn 2:27\xt*\x*enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. \v 10 Paske, vrèman \x + \xo 4:10 \xo*\xt I Tes 1:7\xt*\x*nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, \v 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e \x + \xo 4:11 \xo*\xt Trav 18:3\xt*\x*travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. \v 12 Konsa nou kapab \x + \xo 4:12 \xo*\xt Wo 13:13\xt*\x*konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e \x + \xo 4:12 \xo*\xt Ef 4:28\xt*\x*pou nou pa manke anyen. \p \v 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen \x + \xo 4:13 \xo*\xt Ef 2:12\xt*\x*okenn espwa yo. \v 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, \x + \xo 4:14 \xo*\xt Wo 14:9\xt*\x*menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo. \p \v 15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou \x + \xo 4:15 \xo*\xt I Kor 15:52\xt*\x*nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska \x + \xo 4:15 \xo*\xt I Tes 2:19\xt*\x*vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo. \p \v 16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk \x + \xo 4:16 \xo*\xt Mat 24:31\xt*\x*twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. \v 17 Epi \x + \xo 4:17 \xo*\xt I Kor 15:52\xt*\x*nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan. \p \v 18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo. \c 5 \p \v 1 Alò, konsènan \x + \xo 5:1 \xo*\xt Trav 1:7\xt*\x*tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. \v 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke \x + \xo 5:2 \xo*\xt I Kor 1:8\xt*\x*jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. \v 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò \x + \xo 5:3 \xo*\xt II Tes 1:9\xt*\x*destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou \x + \xo 5:3 \xo*\xt Jn 16:21\xt*\x*doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape. \p \v 4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan \x + \xo 5:4 \xo*\xt Trav 26:18\xt*\x*tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. \v 5 Paske nou tout se \x + \xo 5:5 \xo*\xt Luc 16:8\xt*\x*fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. \v 6 Konsa, annou pa \x + \xo 5:6 \xo*\xt Wo 13:11\xt*\x*dòmi tankou \x + \xo 5:6 \xo*\xt Ef 2:3\xt*\x*lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. \v 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo \x + \xo 5:7 \xo*\xt Trav 7:15\xt*\x*vin sou lannwit. \v 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou \x + \xo 5:8 \xo*\xt És 59:17\xt*\x*pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm \x + \xo 5:8 \xo*\xt Ef 6:17\xt*\x*kas, lesperans sali a. \p \v 9 Paske Bondye pa t destine nou a \x + \xo 5:9 \xo*\xt I Tes 1:10\xt*\x*lakòlè, men pou nou vin \x + \xo 5:9 \xo*\xt II Tes 2:13\xt*\x*gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. \v 10 \x + \xo 5:10 \xo*\xt Wo 14:9\xt*\x*Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li. \p \v 11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e \x + \xo 5:11 \xo*\xt Ef 4:29\xt*\x*remonte youn lòt, jis jan n ap fè a. \p \v 12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila \x + \xo 5:12 \xo*\xt Wo 16:6,12\xt*\x*ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki \x + \xo 5:12 \xo*\xt Eb 13:17\xt*\x*responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. \v 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo. \p \x + \xo 5:13 \xo*\xt Mc 9:50\xt*\x*Viv nan lapè avèk youn lòt. \p \v 14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san \x + \xo 5:14 \xo*\xt II Tim 3:6,7,11\xt*\x*prensip yo, ankouraje \x + \xo 5:14 \xo*\xt És 35:4\xt*\x*sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. \v 15 Veye pou \x + \xo 5:15 \xo*\xt Wo 12:17\xt*\x*pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun. \p \v 16 \x + \xo 5:16 \xo*\xt Fil 4:4\xt*\x*Se pou nou rejwi nou tout tan. \v 17 Priye san rete. \v 18 Nan tout bagay \x + \xo 5:18 \xo*\xt Ef 5:20\xt*\x*bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a. \p \v 19 \x + \xo 5:19 \xo*\xt Ef 4:30\xt*\x*Pa etenn Lespri Sen an. \v 20 Pa meprize \x + \xo 5:20 \xo*\xt Trav 13:1\xt*\x*pawòl pwofetik yo. \v 21 Men \x + \xo 5:21 \xo*\xt I Kor 14:29\xt*\x*byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an \v 22 e evite tout kalite mal. \p \v 23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke \x + \xo 5:23 \xo*\xt Luc 1:46\xt*\x*lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt \x + \xo 5:23 \xo*\xt II Pi 3:14\xt*\x*san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri. \p \v 24 \x + \xo 5:24 \xo*\xt I Kor 1:9\xt*\x*Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa. \p \v 25 Frè m yo \x + \xo 5:25 \xo*\xt Ef 6:19\xt*\x*priye pou nou. \p \v 26 \x + \xo 5:26 \xo*\xt Wo 16:16\xt*\x*Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. \v 27 Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou \x + \xo 5:27 \xo*\xt Kol 4:16\xt*\x*fè lèt sa a li bay tout frè yo. \p \v 28 Ke \x + \xo 5:28 \xo*\xt Wo 16:20\xt*\x*lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.