\id 1SA \ide UTF-8 \h I Samuel \toc1 I SAMUEL \toc2 I Samuel \toc3 I Sam \mt1 I SAMUEL \c 1 \p \v 1 Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan \x + \xo 1:1 \xo*\xt Jos 17:17-18\xt*\x*peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te \x + \xo 1:1 \xo*\xt I Kwo 6:22-38\xt*\x*Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an. \v 2 Li te gen \x + \xo 1:2 \xo*\xt Det 21:15-17\xt*\x*de madanm: youn te rele \x + \xo 1:2 \xo*\xt Luc 2:36\xt*\x*Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit. \v 3 Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane \x + \xo 1:3 \xo*\xt Egz 23:14\xt*\x*pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan \x + \xo 1:3 \xo*\xt Jos 18:1\xt*\x*Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. \v 4 Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li \x + \xo 1:4 \xo*\xt Det 12:17-18\xt*\x*ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. \v 5 Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; \x + \xo 1:5 \xo*\xt Jen 16:1\xt*\x*men SENYÈ a te fèmen vant li. \v 6 Men lòt madanm nan avèk kè anmè \x + \xo 1:6 \xo*\xt Job 24:21\xt*\x*te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. \v 7 Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. \v 8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?” \p \v 9 Konsa, Anne te leve lè l te fin manje ak bwè nan Silo. Alò Éli, prèt la, te chita sou chèz akote poto pòt \x + \xo 1:9 \xo*\xt I Sam 3:3 \xt*\x*tanp SENYÈ a. \v 10 Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. \v 11 Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.” \p \v 12 Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. \v 13 Selon Anne, \x + \xo 1:13 \xo*\xt Jen 24:42-45\xt*\x*li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. \v 14 Alò Éli te di li: \x + \xo 1:14 \xo*\xt Trav 2:4-13\xt*\x*“Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.” \p \v 15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen \x + \xo 1:15 \xo*\xt Sòm 42:4\xt*\x*t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. \v 16 Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.” \p \v 17 Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab \x + \xo 1:17 \xo*\xt Sòm 20:3-5\xt*\x*ba ou sa ou mande L la.” \p \v 18 Anne te reponn: \x + \xo 1:18 \xo*\xt Jen 33:15\xt*\x*“Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò. \p \v 19 Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan \x + \xo 1:19 \xo*\xt I Sam 1:1\xt*\x*Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li. \p \v 20 Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. \x + \xo 1:20 \xo*\xt Egz 2:10-22\xt*\x*Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.” \p \v 21 Nom nan, Elkana \x + \xo 1:21 \xo*\xt Det 12:11\xt*\x*te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a. \v 22 Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l \x + \xo 1:22 \xo*\xt I Sam 1:28\xt*\x*rete la nèt.” \p \v 23 \x + \xo 1:23 \xo*\xt Nonb 30:7-11\xt*\x*Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.” \p Konsa, fanm nan te rete pran swen pitit la jiskaske li te vin sevre. \v 24 Alò, lè li te fin sevre \x + \xo 1:24 \xo*\xt Nonb 15:9-10 \xt*\x*li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti. \v 25 Konsa, \x + \xo 1:25 \xo*\xt Lev 1:5\xt*\x*yo te touye towo a e te \x + \xo 1:25 \xo*\xt Luc 2:22\xt*\x*mennen gason an bay Éli. \v 26 Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a. \v 27 Se \x + \xo 1:27 \xo*\xt I Sam 1:11-13\xt*\x*pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a. \v 28 \x + \xo 1:28 \xo*\xt I Sam 1:11-22\xt*\x*Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, \x + \xo 1:28 \xo*\xt Jen 24:26-52\xt*\x*Samuel te adore SENYÈ a la sou plas. \c 2 \p \v 1 Anne te priye e te di: \q1 “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! \q1 \x + \xo 2:1 \xo*\xt Det 33:17\xt*\x*Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a. \q1 Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, \q1 akoz mwen rejwi nan delivrans Ou. \q1 \v 2 \x + \xo 2:2 \xo*\xt Egz 15:11\xt*\x*Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. \q1 Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, \q1 ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an. \q1 \v 3 “Pa pale kè anflè ankò, \q1 \x + \xo 2:3 \xo*\xt Pwov 8:13\xt*\x*pa kite awogans sòti nan bouch ou. \q1 Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans, \q1 e avèk Li, tout zak yo peze nan balans. \q1 \v 4 \x + \xo 2:4 \xo*\xt Sòm 37:15\xt*\x*“Banza a pwisan yo vin fann, kraze nèt, \q1 \x + \xo 2:4 \xo*\xt Eb 11:32-34\xt*\x*men fèb yo vin gen fòs. \q1 \v 5 Sila ki te gen vant plen yo \q1 vin vann tèt yo pou achte pen, \q1 men sila ki te grangou vin satisfè. \q1 Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit, \q1 men \x + \xo 2:5 \xo*\xt Jr 15:9\xt*\x*Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann. \q1 \v 6 “Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. \q1 \x + \xo 2:6 \xo*\xt És 26:19\xt*\x*SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo. \q1 \v 7 \x + \xo 2:7 \xo*\xt Det 8:17-18\xt*\x*SENYÈ a fè pòv ak rich. \q1 Li abese e anplis, Li leve. \q1 \v 8 \x + \xo 2:8 \xo*\xt Job 42:10-12\xt*\x*Li leve malere sòti nan pousyè. \q1 Li leve sila ki nan bezwen an \q1 soti nan pil sann nan, \q1 pou yo chita avèk prens yo, \q1 e jwenn yon chèz donè kòm eritaj. \q1 Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye. \q1 Li te plase lemond sou yo. \q1 \v 9 L ap pwoteje pye a sen Li yo; \q1 \x + \xo 2:9 \xo*\xt Mat 8:12\xt*\x*men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; \q1 \x + \xo 2:9 \xo*\xt Sòm 33:16-17\xt*\x*paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi. \q1 \v 10 \x + \xo 2:10 \xo*\xt Egz 15:6\xt*\x*Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. \q1 Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. \q1 SENYÈ a ki va jije, \q1 jis rive nan tout ekstremite latè yo. \q1 Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; \q1 Li \x + \xo 2:10 \xo*\xt Sòm 89:24\xt*\x* va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.” \p \v 11 Elkana te ale lakay li Rama. \x + \xo 2:11 \xo*\xt I Sam 1:28\xt*\x*Men gason an te fè sèvis SENYÈ a devan Éli, prèt la. \p \v 12 Alò, fis a Éli yo te \x + \xo 2:12 \xo*\xt Jr 2:8\xt*\x*vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a, \v 13 \x + \xo 2:13 \xo*\xt Lev 7:29-34\xt*\x*ni koutim prèt yo avèk pèp pa yo. Lè yon moun t ap ofri yon sakrifis, sèvitè a prèt la te konn vini pandan vyann nan t ap bouyi avèk yon fouch twa pwent nan men l. \v 14 Konsa, li te konn fonse l nan kivèt ak chodyè a, oswa bonm nan, oswa po a. Epi tout sa ke fouch la fè leve, prèt la ta pran l pou kont li. Konsa yo te fè tout Izrayelit yo ki parèt nan Silo. \v 15 Anplis, avan \x + \xo 2:15 \xo*\xt Lev 3:3-16 \xt*\x*yo te brile grès la, sèvitè prèt la te vini e te di a mesye ki t ap fè sakrifis la: “Bay prèt la vyann pou boukannen; paske li p ap pran vyann bouyi nan men nou, sèl sa ki poko kwit.” \p \v 16 Si mesye a ta di li: “Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito,” Alò, li ta di: “Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs.” \v 17 Konsa, peche jennonm yo te trè gran devan SENYÈ a, paske moun te meprize ofrann SENYÈ a. \v 18 Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason \x + \xo 2:18 \xo*\xt I Sam 2:7-9\xt*\x*abiye ak yon efòd fèt ak len. \v 19 Epi manman li ta fè pou li yon ti \x + \xo 2:19 \xo*\xt Egz 28:31\xt*\x*manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri \x + \xo 2:19 \xo*\xt I Sam 1:3-21\xt*\x*sakrifis la. \v 20 Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te \x + \xo 2:20 \xo*\xt I Sam 1:11-28\xt*\x*konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo. \v 21 \x + \xo 2:21 \xo*\xt Jen 21:1\xt*\x*SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a. \p \v 22 Alò Éli te vin trè vye. Li te tande tout sa ke fis li yo t ap fè a tout Israël la ak jan yo te kouche avèk fanm ki te sèvi nan pòtay tant asanble a.\x + \xo 2:22 \xo*\xt I Sam 2:13-17; Egz 38:8\xt*\x* \v 23 Li te di yo: “Poukisa nou konn fè bagay parèy sa yo, bagay mechan ke m tande tout moun sa yo pale yo? \v 24 Non, fis mwen yo, rapò \x + \xo 2:24 \xo*\xt I Wa 15:26\xt*\x*ke m tande sikile pami pèp la pa bon. \v 25 Si yon nonm vin peche kont yon lòt, \x + \xo 2:25 \xo*\xt Det 1:17\xt*\x*Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske \x + \xo 2:25 \xo*\xt Jos 11:20\xt*\x*SENYÈ a te vle mete yo a lanmò. \p \v 26 Alò, gason \x + \xo 2:26 \xo*\xt I Sam 2:21\xt*\x*Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun. \p \v 27 Alò, yon \x + \xo 2:27 \xo*\xt Det 33:1\xt*\x* nonm Bondye te vin kote Éli e te di li: “Men konsa SENYÈ a pale: ‘Èske Mwen pa t vrèman revele Mwen menm a kay zansèt ou yo lè yo te an Égypte nan esklavaj lakay Farawon an? \v 28 Èske Mwen pa t chwazi yo soti nan tout tribi Israël yo pou devni prèt Mwen, pou monte vè lotèl Mwen, pou brile lansan, pou pote yon efòd devan Mwen? Epi èske Mwen pa t bay lakay zansèt nou yo tout ofrann dife fis Israël yo? \v 29 Poukisa ou \x + \xo 2:29 \xo*\xt I Sam 2:13-17\xt*\x*voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e \x + \xo 2:29 \xo*\xt Mat 10:37\xt*\x*bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’ \v 30 Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske \x + \xo 2:30 \xo*\xt Sòm 50:23\xt*\x*sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo. \v 31 Gade byen, \x + \xo 2:31 \xo*\xt I Sam 4:11-18\xt*\x*jou yo ap vini ke Mwen va kase fòs ou ak fòs lakay zansèt nou yo jiskaske pa gen yon granmoun lakay nou. \v 32 Ou va wè \x + \xo 2:32 \xo*\xt I Wa 2:26-27\xt*\x*twoub nan abitasyon Mwen, malgre tout byen ke m va fè pou Israël. Se pa pou tout tan ou ap gen yon granmoun lakay ou. \v 33 Moun pa w ke M pa koupe retire nèt tout sou lotèl Mwen an, jiskaske zye nou manje, e fè kè w trist nèt. Tout desandan lakay nou yo va vin mouri ak gwo fòs jènes yo toujou sou yo. \v 34 Sa va yon sign pou nou menm ki va vini konsènan de fis ou yo, Hophni avèk Phinées: \x + \xo 2:34 \xo*\xt I Sam 4:11-17 \xt*\x* Nan menm jou a, yo toude va mouri. \v 35 Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen. \v 36 Tout sila ki rete lakay ou yo va vin bese ba a li menm pou yon pyès ajan, oswa yon mòso pen. Yo va di: “Souple, ban m yon plas nan youn nan pozisyon prèt yo pou m kab manje yon mòso pen.”’” \c 3 \p \v 1 Alò, \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Sam 2:11-18\xt*\x* Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan. \v 2 Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, \x + \xo 3:2 \xo*\xt Jen 27:1\xt*\x*vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen), \v 3 epi \x + \xo 3:3 \xo*\xt Egz 25:31-37\xt*\x*lanp Bondye a potko etenn e Samuel te kouche nan tanp SENYÈ a kote lach Bondye a te ye a, \v 4 ke SENYÈ a te rele Samuel. Li te reponn: \x + \xo 3:4 \xo*\xt És 6:8\xt*\x*“Men mwen isit la!” \p \v 5 Alò, li te kouri vè Éli e te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” \p Men Éli te di: “Mwen pa t rele ou. Ale kouche ankò.” \p Konsa, li te retounen kouche. \v 6 Senyè a te rele ankò: “Samuel!” \p Konsa, Samuel te leve, li te ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men li te reponn: “Mwen pa t rele ou, fis mwen, ale kouche ankò.” \v 7 \x + \xo 3:7 \xo*\xt Trav 19:2\xt*\x*Alò, Samuel potko konnen SENYÈ a, ni pawòl SENYÈ a potko revele a li. \v 8 Alò, SENYÈ a te rele Samuel ankò pou yon twazyèm fwa. Epi li te leve ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele mwen.” \p Konsa, Éli te vin apèsi ke SENYÈ a t ap rele gason an. \v 9 Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li. \v 10 Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.” \p \v 11 SENYÈ a te di a Samuel: “Veye byen, \x + \xo 3:11 \xo*\xt II Wa 21:12 \xt*\x*Mwen prèt pou fè yon bagay an Israël k ap fè zòrèy tout moun an Israël vin toudi. \v 12 Nan jou sa a, \x + \xo 3:12 \xo*\xt I Sam 2:27-36\xt*\x*Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen. \v 13 Paske \x + \xo 3:13 \xo*\xt I Sam 2:29-31\xt*\x*Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e \x + \xo 3:13 \xo*\xt Det 17:12\xt*\x*li pa t repwoche yo. \v 14 Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke \x + \xo 3:14 \xo*\xt Lev 15:31\xt*\x*inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.” \p \v 15 Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te \x + \xo 3:15 \xo*\xt I Kwo 15:23\xt*\x*ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an. \v 16 Alò, Éli te rele Samuel e te di: “Samuel, fis mwen.” \p Epi li te di: “Men mwen.” \p \v 17 Li te di: “Ki pawòl ke Li te pale ou a? Souple, pa kache l pou mwen. \x + \xo 3:17 \xo*\xt II Sam 3:35\xt*\x*Ke Bondye fè l konsa a ou menm, e menm plis osi, si ou kache yon bagay a mwen nan tout pawòl ke li te pale ou yo.” \p \v 18 Konsa, Samuel te di li tout bagay. Li pa t kache anyen a li menm. \p Epi li te di: \x + \xo 3:18 \xo*\xt Egz 34:5-7\xt*\x*“Li se SENYÈ a; kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.” \p \v 19 Konsa, \x + \xo 3:19 \xo*\xt I Sam 2:21\xt*\x*Samuel te grandi, \x + \xo 3:19 \xo*\xt Jen 21:22\xt*\x*SENYÈ a te avèk li e Li pa t kite okenn nan pawòl li yo manke reyisi. \v 20 Tout Israël \x + \xo 3:20 \xo*\xt Jij 20:1\xt*\x*soti nan Dan jis rive menm Beer-Schéba te konnen ke Samuel te konfime kòm yon pwofèt a SENYÈ a. \v 21 Epi \x + \xo 3:21 \xo*\xt Jen 12:7\xt*\x*SENYÈ a te vin parèt ankò nan Silo, \x + \xo 3:21 \xo*\xt I Sam 3:10\xt*\x*paske SENYÈ a te revele Li menm a Samuel nan Silo selon pawòl Bondye a. \c 4 \p \v 1 Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël. \p Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote \x + \xo 4:1 \xo*\xt I Sam 7:12\xt*\x*Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek. \v 2 Filisten yo te parèt nan ranje batay yo pou rankontre Israël. Lè batay la te gaye, Israël te vin bat devan Filisten yo ki te touye anviwon kat-mil òm sou chan batay la. \v 3 Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: \x + \xo 4:3 \xo*\xt Jos 7:7-8\xt*\x*“Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo.” \p \v 4 Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, \x + \xo 4:4 \xo*\xt II Sam 6:2\xt*\x*ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a. \v 5 Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, \x + \xo 4:5 \xo*\xt Jos 6:5-20\xt*\x*tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone. \v 6 Lè Filisten yo te tande gwo kri sila a, yo te di: “Kisa sa vle di? Gwo kri sila a nan kan Ebre yo?” Epi yo te vin konprann ke lach SENYÈ a te antre nan kan an. \v 7 Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Konsa, yo te di: \x + \xo 4:7 \xo*\xt Egz 15:14\xt*\x*“Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan. \v 8 Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a. \v 9 \x + \xo 4:9 \xo*\xt I Kor 16:13\xt*\x*Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!” \v 10 Konsa, Filisten yo te goumen e \x + \xo 4:10 \xo*\xt Det 28:15-25\xt*\x*Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye. \v 11 Anplis, lach Bondye a te sezi pran; epi \x + \xo 4:11 \xo*\xt I Sam 2:34\xt*\x*de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te mouri. \p \v 12 Konsa yon mesye a Benjamin te kouri sòti nan chan batay yo pou te parèt Silo nan menm jou a avèk \x + \xo 4:12 \xo*\xt Jos 7:6\xt*\x*rad li chire ak pousyè sou figi li. \v 13 Lè li te vini, vwala, \x + \xo 4:13 \xo*\xt I Sam 1:9\xt*\x*Éli te chita sou chèz li akote wout la pou veye tann, akoz kè li t ap tranble pou lach SENYÈ a. Konsa, mesye a te vin pale sa nan vil la e tout vil la te kriye fò. \v 14 Lè Éli te tande bri kriye a, li te di: “Kisa bri kriye sa a vle di?” \p Epi mesye a te vini avèk vitès e li te pale Éli. \v 15 Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, \x + \xo 4:15 \xo*\xt I Sam 3:2\xt*\x*zye li te fikse epi li pa t kab wè. \v 16 Mesye a te di a Éli: “Mwen se sila ki te sòti nan chan batay la. Vrèman, mwen te chape sòti nan chan batay la jodi a.” \p Epi Éli te mande: \x + \xo 4:16 \xo*\xt II Sam 1:4\xt*\x*“Kijan tout bagay te mache, fis mwen?” \p \v 17 Konsa, sila ki te pote nouvèl la te reponn: “Israël te sove ale devan Filisten yo, e te genyen osi, yon gwo masak pami pèp la. Anplis, de fis ou yo, Hophni avèk Phinées mouri, e lach Bondye a te kaptire.” \p \v 18 \x + \xo 4:18 \xo*\xt I Sam 4:13\xt*\x*“Lè li te mansyone lach Bondye a, Éli te tonbe sou chèz li pa dèyè akote pòtay la. Kou li te kase, e li te mouri, paske li te fin granmoun e li te gra.” Konsa, li te jije Israël pandan karant ane. \p \v 19 Alò, bèlfi li, madanm a Phinées te ansent e prèt pou akouche. Lè li te tande nouvèl ke lach Bondye a te pran an kaptivite e ke bòpè li avèk mari li te mouri, li te bese sou jenou li e te akouche, paske doulè li te vin rive sou li. \v 20 Epi nan lè li t ap mouri an, fanm ki te kanpe akote li a te di li: \x + \xo 4:20 \xo*\xt Jen 35:16-19\xt*\x*“Pa pè, paske ou te bay nesans a yon fis.” Men li pa t reponn li ni li pa t okipe li. \v 21 Konsa, li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa Israël pati!” akoz \x + \xo 4:21 \xo*\xt I Sam 4:11\xt*\x*lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li. \v 22 Li te di: “Laglwa gen tan pati soti an Israël; paske lach Bondye a te pran an kaptivite.” \c 5 \p \v 1 Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive \x + \xo 5:1 \xo*\xt Jos 13:3\xt*\x*Asdod. \v 2 Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li \x + \xo 5:2 \xo*\xt Jij 16:23-30\xt*\x*lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon. \v 3 Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, \x + \xo 5:3 \xo*\xt És 19:1\xt*\x*Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. \v 4 Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, \x + \xo 5:4 \xo*\xt Esd 6:4-6\xt*\x*Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li. \v 5 Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm \x + \xo 5:5 \xo*\xt So 1:9 \xt*\x*foule pye yo nan papòt Dagon an. \v 6 Alò \x + \xo 5:6 \xo*\xt Sòm 145:20\xt*\x*men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni teritwa li yo. \p \v 7 Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.” \v 8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?” \p Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive. \v 9 Lè yo te fin pote li rive, men SENYÈ a te vin kont vil la avèk gwo boulvèsman. Li te frape Mesye lavil yo, ni jenn, ni granmoun jiskaske gwo boul bouton \x + \xo 5:9 \xo*\xt Jen 46:8-27\xt*\x* yo te vin pete sou yo. \v 10 Konsa yo te voye lach Bondye a nan Ékron. \p Epi pandan lach Bondye a te rive nan Ékron, Ekwonyen yo te kriye fò. Yo te di: “Yo vin pote Bondye Israël la bò kote nou pou touye nou avèk pèp nou an.” \v 11 Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. \x + \xo 5:11 \xo*\xt I Sam 5:6-9\xt*\x*Men SENYÈ a te lou kote sa a. \v 12 Epi Mesye ki pa t mouri yo te frape avèk gwo boul bouton yo, e \x + \xo 5:12 \xo*\xt Egz 12:30\xt*\x*gwo kri lavil la te monte jis rive nan syèl la. \c 6 \p \v 1 Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa. \v 2 Konsa, \x + \xo 6:2 \xo*\xt Egz 7:11\xt*\x*Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: “Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li.” \p \v 3 Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.” \p \x + \xo 6:3 \xo*\xt Det 16:16; Lev 5:15,16\xt*\x* \v 4 Yo te reponn: “Kisa nou dwe voye kòm ofrann koupab pou remèt Li a?” \p Epi yo te di: “Senk imaj boul bouton fèt an lò avèk senk imaj sourit fèt an lò nan non prens Filisten yo. Paske se te yon sèl fleyo ki te vini sou nou tout ak sou prens nou yo. \v 5 Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi \x + \xo 6:5 \xo*\xt Jos 7:19\xt*\x*nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt \x + \xo 6:5 \xo*\xt I Sam 5:6-11\xt*\x*Li kab lache men l sou nou. \v 6 Poukisa nou fè kè di \x + \xo 6:6 \xo*\xt Egz 7:13\xt*\x*tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, \x + \xo 6:6 \xo*\xt Egz 12:31\xt*\x*èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale? \p \v 7 “Pou sa, ale fè yon kabwèt nèf avèk de vach nouris \x + \xo 6:7 \xo*\xt Nonb 19:2\xt*\x*ki pa t janm rale chaj. Fè vach yo rale chaj sou kabwèt la e retire ti bèf yo mennen yo lakay, lwen yo. \v 8 Pran lach SENYÈ a e mete li sou kabwèt la, epi mete \x + \xo 6:8 \xo*\xt I Sam 6:4-5\xt*\x*bagay an lò ke nou ap retounen bay kòm ofrann koupab la nan yon bwat akote li. Alò, voye li ale pou li kapab ale. \v 9 Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.” \p \v 10 Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay. \v 11 Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo. \v 12 Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan \x + \xo 6:12 \xo*\xt Nonb 20:19\xt*\x*gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la. \v 13 Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li. \v 14 Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te \x + \xo 6:14 \xo*\xt II Sam 24:22\xt*\x*ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a. \v 15 \x + \xo 6:15 \xo*\xt Jos 3:3\xt*\x*Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a. \v 16 Lè \x + \xo 6:16 \xo*\xt Jos 13:3\xt*\x*senk prens Filisten yo te fin wè li, yo te retounen Ékron menm jou a. \v 17 \x + \xo 6:17 \xo*\xt I Sam 6:4\xt*\x*Sa yo se imaj gwo boul bouton an lò ke Filisten yo te remèt kòm yon ofrann koupab bay SENYÈ a: youn pou Asdod, youn pou Gaza, youn pou Askalon, youn pou Gath e youn pou Ékron; \v 18 anplis ak sourit an lò yo, selon kantite a tout vil Filisten ki te pou senk prens yo, \x + \xo 6:18 \xo*\xt Det 3:5\xt*\x* vil fòtifye yo ak bouk andeyò yo. \x + \xo 6:18 \xo*\xt I Sam 6:14-15\xt*\x*Gwo wòch kote yo te mete lach SENYÈ a se yon temwen jis rive jodi a nan chan Josué a, moun Beth-Schémech la. \v 19 \x + \xo 6:19 \xo*\xt Egz 19:21\xt*\x*Li te frape e fè mouri kèk mesye Beth-Schémech akoz yo te gade anndan lach SENYÈ a. Li te frape pami tout pèp la, senkant-mil-swasann-dis òm e pèp la te vin dezole akoz SENYÈ a te frape yo avèk yon gwo masak. \v 20 Mesye Beth-Schémech yo te di: \x + \xo 6:20 \xo*\xt Mal 3:2\xt*\x*“Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?” \p \v 21 Konsa, yo te voye mesaje yo vè \x + \xo 6:21 \xo*\xt Jos 15:9-60\xt*\x*moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.” \c 7 \p \v 1 Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te \x + \xo 7:1 \xo*\xt II Sam 6:3-4\xt*\x*pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a. \v 2 Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a. \v 3 Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: \x + \xo 7:3 \xo*\xt Jl 2:12-14\xt*\x*“Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e \x + \xo 7:3 \xo*\xt Luc 4:8\xt*\x*sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.” \v 4 Konsa, fis Israël yo te retire Baal yo ak Astarté yo pou te sèvi sèl SENYÈ a. \v 5 Alò, Samuel te di: \x + \xo 7:5 \xo*\xt Jij 10:17\xt*\x*“Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.” \v 6 Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: \x + \xo 7:6 \xo*\xt Jij 10:10\xt*\x*“Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa. \p \v 7 Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël \x + \xo 7:7 \xo*\xt I Sam 13:6\xt*\x*yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. \v 8 Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: \x + \xo 7:8 \xo*\xt I Sam 12:19-24\xt*\x*“Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo.” \v 9 Samuel te pran yon \x + \xo 7:9 \xo*\xt Lev 22:27\xt*\x*ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li. \v 10 Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men \x + \xo 7:10 \xo*\xt II Sam 22:14-15\xt*\x*SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël. \v 11 Mesye Israël yo te sòti nan Mitspa pou te kouri dèyè Filisten yo e yo te frape yo ba jis rive piba Beth-Car. \p \v 12 Alò, Samuel te pran yon \x + \xo 7:12 \xo*\xt Jen 35:14\xt*\x*gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.” \v 13 Konsa, Filisten yo te vin soumèt, e \x + \xo 7:13 \xo*\xt I Sam 13:5\xt*\x*yo pa t vin ankò anndan fwontyè Israël la. Konsa, men SENYÈ a te kont Filisten yo pandan tout jou a Samuel yo. \p \v 14 Vil ke Filisten yo te sezi soti an Israël yo te restore a Israël, soti Ékron jis rive Gath. Epi Israël te rachte teritwa yo nan men a Filisten yo. Konsa, te gen lapè antre Israël ak \x + \xo 7:14 \xo*\xt Nonb 13:29\xt*\x*Amoreyen yo. \p \v 15 Alò, Samuel te \x + \xo 7:15 \xo*\xt I Sam 7:6\xt*\x*jije Israël pandan tout jou lavi li yo. \v 16 Li te konn ale chak ane fè yon tou \x + \xo 7:16 \xo*\xt Jen 28:19\xt*\x*Béthel avèk Guilgal, ak Mitspa, e li te jije Israël tout kote sa yo. \v 17 Alò vwayaj retou li sete nan \x + \xo 7:17 \xo*\xt I Sam 1:1-19\xt*\x*Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a. \c 8 \p \v 1 Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke \x + \xo 8:1 \xo*\xt Det 16:18-19\xt*\x*li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël. \v 2 Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan \x + \xo 8:2 \xo*\xt I Wa 19:3\xt*\x*Beer-Schéba. \v 3 Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri. \p \v 4 Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan \x + \xo 8:4 \xo*\xt I Sam 7:17\xt*\x*Rama. \v 5 Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, \x + \xo 8:5 \xo*\xt Det 17:14-15\xt*\x*chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.” \v 6 Men bagay la te \x + \xo 8:6 \xo*\xt I Sam 12:17\xt*\x*degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.” \p Samuel te priye a SENYÈ a. \v 7 SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske \x + \xo 8:7 \xo*\xt Egz 16:8\xt*\x*yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo. \v 8 Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou. \v 9 Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen \x + \xo 8:9 \xo*\xt I Sam 8:11-18\xt*\x*prensip a wa ki va renye sou yo a.” \p \v 10 Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a \x + \xo 8:10 \xo*\xt I Sam 8:4\xt*\x*pèp la ki te mande li pou yon wa a. \v 11 Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, \x + \xo 8:11 \xo*\xt II Sam 15:1\xt*\x* yo va kouri devan cha li. \v 12 \x + \xo 8:12 \xo*\xt Nonb 31:14\xt*\x*Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo. \v 13 Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje. \v 14 \x + \xo 8:14 \xo*\xt I Wa 21:7\xt*\x*Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo. \v 15 Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo. \v 16 Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li. \v 17 Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li. \v 18 Konsa \x + \xo 8:18 \xo*\xt És 8:21\xt*\x*nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.” \p \v 19 Sepandan, pèp la te \x + \xo 8:19 \xo*\xt És 66:4\xt*\x*refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou, \v 20 pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.” \p \v 21 Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, \x + \xo 8:21 \xo*\xt Jij 11:11\xt*\x*li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a. \v 22 SENYÈ a te di a Samuel: \x + \xo 8:22 \xo*\xt I Sam 8:7\xt*\x*“Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.” \c 9 \p \v 1 Alò, te gen yon mesye nan Benjamin ki te rele Kis ki te fis Abiel la, fis Tseror, fis Becorath, fis Aphiach, ki te fis a yon Benjamit. Se te yon nonm fò e plen kouraj. \v 2 Li te gen yon fis ki te rele Saül, yon jennonm ki te byen bèl. Pa t gen yon moun ki te pi bèl pami fis Israël yo. \x + \xo 9:2 \xo*\xt I Sam 10:23\xt*\x*Depi zepòl li monte, li te piwo pase tout moun nan pèp la. \p \v 3 Alò, bourik ki te pou Kis yo, papa a Saül te pèdi. Epi Kis te di a Saül: “Alò, pran koulye a avè w youn nan sèvitè yo; leve, al chache bourik yo.” \v 4 Li te pase nan \x + \xo 9:4 \xo*\xt Jos 24:33\xt*\x*peyi ti kolin Éphraïm nan e te pase nan Schalisha, men yo pa t jwenn yo. Alò, yo te pase nan peyi Schaalim, men yo pa t twouve anyen. Alò, li te pase nan peyi Benjamin yo, men yo pat jwenn anyen. \p \v 5 Lè yo te rive nan peyi \x + \xo 9:5 \xo*\xt I Sam 1:1\xt*\x*Tsuph, Saül te di a sèvitè ki te avèk li a: “Vini! Annou retounen, oswa papa m va sispann okipe afè bourik pou enkyete pou nou menm.” \p \v 6 Li te di li: “Gade byen konsa, genyen yon nonm Bondye nan vil sila a, yon nonm onore. \x + \xo 9:6 \xo*\xt És 3:19\xt*\x*Tout sa ke li konn di anverite vin pase. Alò, annou ale la. Petèt li kapab pale nou sou vwayaj ke nou kòmanse fè a.” \p \v 7 Alò Saül te di a sèvitè li a: “Men gade byen, si nou ale, kisa nou va pote pou nonm sa a? Paske pen an fini nan sak nou e \x + \xo 9:7 \xo*\xt II Wa 8:8-9\xt*\x*nanpwen kado pou pote bay nonm Bondye a. Kisa nou genyen?” \p \v 8 Sèvitè a te reponn Saül ankò e te di: “Gade byen, mwen gen nan men m yon ka sik ajan ke mwen va bay a nonm Bondye a, e li va \x + \xo 9:8 \xo*\xt I Sam 9:5\xt*\x*pale nou chemen nou an.” \v 9 (Lontan an Israël, lè yon nonm te monte pou konsilte Bondye li te konn di: “Vini, annou ale kote divinò a”, paske sila ki, koulye a, yo rele yon pwofèt la, lontan, te konn rele divinò.) \p \v 10 Saül te reponn a sèvitè a: “Byen pale! Vini, annou ale.” Konsa, yo te ale nan vil kote nonm Bondye a te ye a. \v 11 Pandan yo te monte pant vè vil la, \x + \xo 9:11 \xo*\xt Jen 24:11-15\xt*\x*yo te twouve jenn fanm yo ki te sot rale dlo. Yo te mande yo: “Èske divinò a isit la?” \p \v 12 Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a. \x + \xo 9:12 \xo*\xt Nonb 28:11-15\xt*\x* Pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a. \v 13 Depi nou antre nan vil la, nou va jwenn avèk li avan li monte nan wo plas pou manje, paske pèp la p ap manje jiskaske li vini, akoz \x + \xo 9:13 \xo*\xt Luc 9:16\xt*\x*li oblije beni sakrifis la. Apre sa, sila ki envite yo va manje. Pou sa, monte, paske nou va jwenn li talè.” \p \v 14 Konsa, yo te monte lavil la. Pandan yo te antre nan vil la, vwala, Samuel t ap sòti bò kote yo pou monte nan wo plas la. \p \v 15 Alò, yon jou avan Saül te vini, \x + \xo 9:15 \xo*\xt I Sam 15:1\xt*\x*Senyè a te montre sa a Samuel e te di: \v 16 “Vè lè sa a demen Mwen va voye yon mesye ki sòti nan peyi Benjamin yo kote ou menm. Konsa, ou va onksyone li kòm chèf sou pèp Mwen an, Israël, e li va delivre pèp Mwen an anba men a Filisten yo. Paske \x + \xo 9:16 \xo*\xt Egz 3:7-9\xt*\x*Mwen te gade sou pèp mwen an, akoz kri pa yo gen tan rive kote Mwen.” \p \v 17 Lè Samuel te wè Saül, SENYÈ a te di li: \x + \xo 9:17 \xo*\xt I Sam 16:12\xt*\x*“Gade byen, men mesye ke m te pale ou a! Sila a va renye sou pèp Mwen an, Israël.” \p \v 18 Saül te vin pwoche Samuel nan pòtay la e te di: “Souple, di m kote kay a divinò a ye.” \p \v 19 Samuel te reponn Saül e te di: “Se mwen menm ki divinò a. Monte devan mwen nan wo plas la, paske w ap manje avè m jodi a. Epi nan demen, mwen va kite ou ale e mwen va fè ou konnen tout sa ki nan lespri ou. \v 20 Pou afè bourik ou yo ki te pèdi twa jou pase yo, pa okipe yo, paske yo gen tan twouve. Epi se \x + \xo 9:20 \xo*\xt I Sam 8:5\xt*\x*kilès ke tout Israël pito? Èske se pa ou ak pou tout lakay papa ou?” \p \v 21 Saül te reponn: \x + \xo 9:21 \xo*\xt I Sam 15:17\xt*\x*“Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?” \p \v 22 Alò, Samuel te pran Saül avèk sèvitè li a. Li te mennen yo antre nan gran sal la, e li te ba yo yon plas devan, nan tèt sila ki te envite yo, ki te anviwon trant mesye. \v 23 Samuel te di chèf kwizin nan: “Mennen pòsyon ke m te di ou a, sila ke m te di ou a, Mete li akote.” \v 24 Alò chèf kwizin nan te \x + \xo 9:24 \xo*\xt Egz 29:22\xt*\x*pran janm nan avèk sa ki te sou li a e li te plase li devan Saül. Konsa, Samuel te di: “Men sa ki te sere! Mete li devan ou e manje paske li te kenbe pou ou jis rive nan lè apwente a, akoz mwen te di ou ‘mwen te envite moun yo.’” Konsa, Saül te manje avèk Samuel nan jou sa a. \p \v 25 Lè yo te kite plas anwo a pou antre nan vil la, Samuel te pale avèk Saül \x + \xo 9:25 \xo*\xt Luc 5:19\xt*\x*anwo twati a. \v 26 Yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a. Li te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve, e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari. \v 27 Pandan yo t ap desann pou prèske fin kite vil la, Samuel te di Saül: “Pale sèvitè a pou l ale avanse devan nou. Men ou menm, rete kanpe koulye a pou m kapab fè ou tande pawòl Bondye a.” \c 10 \p \v 1 Konsa, \x + \xo 10:1 \xo*\xt Egz 30:23-33\xt*\x*Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske \x + \xo 10:1 \xo*\xt I Sam 16:13\xt*\x*SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a? \v 2 Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre \x + \xo 10:2 \xo*\xt Jen 35:16-20\xt*\x*tonm Rachel la, nan teritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’” \p \v 3 Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte \x + \xo 10:3 \xo*\xt Jen 35:1-7\xt*\x*vè Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa moso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven. \v 4 Yo va di ou: “Bonjou”, e yo va ba ou de moso pen, ke ou va aksepte nan men yo. \p \v 5 Apre, ou va vini nan \x + \xo 10:5 \xo*\xt I Sam 13:2-3\xt*\x*ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize. \v 6 Epi \x + \xo 10:6 \xo*\xt Nonb 11:25-29\xt*\x*Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun. \v 7 \x + \xo 10:7 \xo*\xt Ekl 9:10\xt*\x*Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou. \p \v 8 “Epi \x + \xo 10:8 \xo*\xt I Sam 11:14\xt*\x*ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.” \v 9 Alò, li te rive ke lè li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te \x + \xo 10:9 \xo*\xt I Sam 10:6\xt*\x*chanje kè li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a. \v 10 \x + \xo 10:10 \xo*\xt I Sam 10:5-6\xt*\x*Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo. \v 11 Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? \x + \xo 10:11 \xo*\xt Am 7:14-15\xt*\x*Èske Saül osi pami pwofèt yo?” \p \v 12 Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: \x + \xo 10:12 \xo*\xt I Sam 19:23-24\xt*\x*“Èske Saül, osi pami pwofèt yo?” \v 13 Lè li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a. \p \v 14 Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?” \p Epi li te di: \x + \xo 10:14 \xo*\xt I Sam 9:3-6\xt*\x*“Pou chache bourik yo. Men lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.” \p \v 15 Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.” \p \v 16 Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a. \p \v 17 Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa. \x + \xo 10:17 \xo*\xt Jij 20:1\xt*\x* \v 18 Li te di a fis Israël yo: \x + \xo 10:18 \xo*\xt Jij 6:8-9\xt*\x*“Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’ \v 19 Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”\x + \xo 10:19 \xo*\xt I Sam 8:6-7; Jos 7:14-18\xt*\x* \p \v 20 Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò. \v 21 Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l. \v 22 Pou sa, yo \x + \xo 10:22 \xo*\xt I Sam 23:2-4\xt*\x*vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?” \p Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.” \p \v 23 Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, \x + \xo 10:23 \xo*\xt I Sam 9:2\xt*\x*li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li. \v 24 Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke \x + \xo 10:24 \xo*\xt Det 17:5\xt*\x*SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.” \p “Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!” \p \v 25 Alò, Samuel te pale pèp la \x + \xo 10:25 \xo*\xt Det 17:14-20\xt*\x*règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo. \v 26 Anplis Saül te ale \x + \xo 10:26 \xo*\xt I Sam 11:4\xt*\x*lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li. \v 27 Men sèten \x + \xo 10:27 \xo*\xt Det 13:13\xt*\x*sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans. \c 11 \p \v 1 Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè \x + \xo 11:1 \xo*\xt Job 41:4\xt*\x*yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.” \p \v 2 Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.” \p \v 3 \x + \xo 11:3 \xo*\xt I Sam 8:4\xt*\x*Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan teritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.” \v 4 Alò mesaje yo te vini \x + \xo 11:4 \xo*\xt I Sam 10:26\xt*\x* Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye. \p \v 5 Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an \x + \xo 11:5 \xo*\xt I Wa 19:19\xt*\x*dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo. \v 6 Konsa \x + \xo 11:6 \xo*\xt Jij 3:10\xt*\x*Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil. \v 7 Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te \x + \xo 11:7 \xo*\xt Jij 19:29\xt*\x*koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan teritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun. \v 8 Li te konte yo nan Bézek e \x + \xo 11:8 \xo*\xt Jij 20:2\xt*\x*fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil. \v 9 Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabés-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabés yo; epi yo te kontan. \v 10 Alò, mesye a Jabés yo te di: \x + \xo 11:10 \xo*\xt I Sam 11:3\xt*\x*“Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.” \v 11 Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la \x + \xo 11:11 \xo*\xt Jij 7:16-20\xt*\x*an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm. \p \v 12 Alò, pèp la te di a Samuel: \x + \xo 11:12 \xo*\xt I Sam 10:27\xt*\x*“Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ \x + \xo 11:12 \xo*\xt Luc 19:27 \xt*\x*Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.” \p \v 13 Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske \x + \xo 11:13 \xo*\xt Egz 14:13-30\xt*\x*jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.” \p \v 14 Alò, Samuel te di a pèp la: “Vini, annou ale Guilgal pou \x + \xo 11:14 \xo*\xt I Sam 10:25\xt*\x*renouvle wayòm nan la.” \v 15 Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa \x + \xo 11:15 \xo*\xt I Sam 10:17\xt*\x*devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te \x + \xo 11:15 \xo*\xt I Sam 10:8\xt*\x*ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil. \c 12 \p \v 1 Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, \x + \xo 12:1 \xo*\xt I Sam 8:7-22\xt*\x*mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen \x + \xo 12:1 \xo*\xt I Sam 11:14-15\xt*\x*te chwazi yon wa sou nou. \v 2 Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men \x + \xo 12:2 \xo*\xt I Sam 8:1-5\xt*\x*mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. \x + \xo 12:2 \xo*\xt I Sam 3:10-20\xt*\x*Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a. \v 3 Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk \x + \xo 12:3 \xo*\xt I Sam 10:1\xt*\x*moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.” \p \v 4 Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.” \p \v 5 Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen \x + \xo 12:5 \xo*\xt Egz 22:4\xt*\x*nan men m nan.” \p Epi yo te di: “Li se temwen.” \v 6 Epi Samuel te di a pèp la: “Li se SENYÈ a ki te \x + \xo 12:6 \xo*\xt Egz 6:26\xt*\x*chwazi Moïse avèk Aaron, e ki te mennen zansèt nou yo monte soti nan peyi Égypte la. \v 7 Alò koulye a, kanpe \x + \xo 12:7 \xo*\xt Éz 20:35\xt*\x*pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo. \p \v 8 \x + \xo 12:8 \xo*\xt Jen 46:5-6\xt*\x*“Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a. \v 9 Men \x + \xo 12:9 \xo*\xt Det 32:18\xt*\x*yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo. \v 10 \x + \xo 12:10 \xo*\xt Jij 10:10\xt*\x*Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’ \v 11 Alò apre, SENYÈ a te voye \x + \xo 12:11 \xo*\xt Jij 6:31-32\xt*\x*Jerubbaal avèk Bedan, \x + \xo 12:11 \xo*\xt Jij 11:29\xt*\x*Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite. \p \v 12 “Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, \x + \xo 12:12 \xo*\xt Jij 8:23\xt*\x*malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou. \v 13 Alò pou sa, \x + \xo 12:13 \xo*\xt I Sam 10:24\xt*\x*men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou. \v 14 \x + \xo 12:14 \xo*\xt Jos 24:14\xt*\x*Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an. \v 15 Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò \x + \xo 12:15 \xo*\xt I Sam 5:9\xt*\x*men a SENYÈ a va kont nou, \x + \xo 12:15 \xo*\xt I Sam 12:9\xt*\x*jan li te ye kont zansèt nou yo. \p \v 16 “Menm koulye a, \x + \xo 12:16 \xo*\xt Egz 14:13-31\xt*\x* kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou. \v 17 \x + \xo 12:17 \xo*\xt Pwov 26:1\xt*\x*Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.” \p \v 18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi \x + \xo 12:18 \xo*\xt Egz 14:31\xt*\x*tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel. \p \v 19 Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, \x + \xo 12:19 \xo*\xt I Sam 12:17-20\xt*\x*mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.” \p \v 20 Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men \x + \xo 12:20 \xo*\xt Det 11:16\xt*\x*pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou. \v 21 Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè. \v 22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm. \v 23 Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men \x + \xo 12:23 \xo*\xt Sòm 34:11\xt*\x*mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la. \v 24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile \x + \xo 12:24 \xo*\xt Det 10:21\xt*\x*ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou. \v 25 \x + \xo 12:25 \xo*\xt És 1:20\xt*\x*Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an \x + \xo 12:25 \xo*\xt I Sam 31:1-5\xt*\x*va peri.” \c 13 \p \v 1 Saül te gen trant ane lè l te kòmanse renye, e li te renye pandan karann-de ane sou Israël. \p \v 2 Alò, Saül te chwazi pou li menm twa mil mesye an Israël. Pami sila yo, de-mil te avèk Saül nan \x + \xo 13:2 \xo*\xt I Sam 13:5\xt*\x*Micmasch ak nan peyi ti mòn Béthel la, pandan mil te avèk Jonathan nan \x + \xo 13:2 \xo*\xt I Sam 10:25 \xt*\x*Guibea pou Benjamin an. Men li te voye ale tout lòt moun yo, yo chak nan pwòp tant pa yo. \v 3 Jonathan te frape \x + \xo 13:3 \xo*\xt I Sam 10:5\xt*\x*post militè a Filisten ki te nan Guéba yo e Filisten yo te tande Koze sa a. Alò, Saül te soufle twonpèt la atravè tout peyi a, e li te di: “Kite Ebre yo tande.” \v 4 Tout Israël te tande nouvèl ke Saül te frape post a Filisten yo, e osi ke Israël te \x + \xo 13:4 \xo*\xt Egz 5:21\xt*\x*vin rayisab a Filisten yo. Konsa pèp la te resevwa lòd pou rasanble Guilgal. \v 5 Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak \x + \xo 13:5 \xo*\xt Jos 11:4\xt*\x*kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven. \v 6 Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, \x + \xo 13:6 \xo*\xt Jij 6:2\xt*\x*pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo. \v 7 Anplis, kèk nan Ebre yo te travèse Jourdain an pou antre nan peyi \x + \xo 13:7 \xo*\xt Nonb 32:33\xt*\x*Gad avèk Galaad. Men pou Saül, li te toujou Guilgal, e tout pèp la te swiv li avèk kò yo tou ap tranble. \v 8 Alò \x + \xo 13:8 \xo*\xt I Sam 10:8\xt*\x*li te tann pandan sèt jou, selon tan fikse pa Samuel la; men Samuel pa t vini Guilgal, e pèp la t ap gaye kite li. \v 9 Konsa, Saül te di: “Mennen ban mwen ofrann brile avèk ofrann lapè.” Epi \x + \xo 13:9 \xo*\xt Det 12:5-14\xt*\x*li te ofri ofrann brile yo. \p \v 10 Lè li te fin ofri ofrann brile yo, men vwala, Samuel te vini. Epi \x + \xo 13:10 \xo*\xt I Sam 15:13\xt*\x*Saül te parèt deyò pou rankontre li e salye li. \v 11 Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?” \p Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke \x + \xo 13:11 \xo*\xt I Sam 13:2-23\xt*\x*Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch, \v 12 pou sa, mwen te di: ‘Alò Filisten yo va vin desann kont mwen Guilgal, epi mwen poko mande favè SENYÈ a.’ Pou sa, mwen te fòse mwen menm pou te ofri ofrann brile yo.” \p \v 13 Samuel te di a Saül: \x + \xo 13:13 \xo*\xt II Kwo 16:9\xt*\x*“Ou te aji nan foli. \x + \xo 13:13 \xo*\xt I Sam 15:11-28\xt*\x*Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan. \v 14 Men \x + \xo 13:14 \xo*\xt I Sam 15:28\xt*\x*koulye a, wayòm ou an p ap dire. SENYÈ a te chache pou kont Li yon nonm selon pwòp kè li e SENYÈ a te chwazi li kòm chèf sou pèp Li a, akoz ou pa t kenbe sa ke SENYÈ a te kòmande ou a.” \p \v 15 Epi Samuel te leve monte soti Guilgal pou rive Guibea nan Benjamin. Saül te konte moun ki te prezan avè l yo, yo te \x + \xo 13:15 \xo*\xt I Sam 13:2-7\xt*\x*anviwon sis-san mesye. \v 16 Alò Saül avèk fis li a, Jonathan avèk moun ki te prezan avèk yo te rete \x + \xo 13:16 \xo*\xt I Sam 13:2-3\xt*\x*Guéba nan Benjamin pandan Filisten yo te fè kan Micmasch. \v 17 Epi ravajè yo te sòti nan kan Filisten yo an twa konpayi yo. Yon konpayi te vire nan sid vè Ophra vè peyi Schual. \x + \xo 13:17 \xo*\xt I Sam 14:15; Jos 18:23\xt*\x* \v 18 Yon lòt konpayi te vire vè \x + \xo 13:18 \xo*\xt Jos 18:13-14\xt*\x*Beth-Horon, e yon lòt konpayi te vire vè lizyè ki kouri anwo vale a nan \x + \xo 13:18 \xo*\xt Né 11:34\xt*\x*Tseboïm vè dezè a. \v 19 Alò, \x + \xo 13:19 \xo*\xt Jij 5:8\xt*\x*nanpwen bòs fòjewon ki ta kab twouve nan tout peyi Israël la, paske Filisten yo te di: “Otreman Ebre yo va fè nepe yo oswa frenn yo.” \v 20 Konsa, tout Israël te desann vè Filisten yo, yo chak pou file pwòp cha li, pikwa li, rach li, ak wou li. \v 21 Frè sèvis la te de tyè sik pou lam cha a, pou pikwa a, fochèt la, rach la e pou ranje wou yo. \v 22 Konsa sa te rive ke nan jou batay la ke \x + \xo 13:22 \xo*\xt Jij 5:8\xt*\x*ni nepe, ni fwenn pa t twouve nan men a okenn nan moun ki te avèk Saül ak Jonathan yo. Men yo te twouve sèlman nan men Saül ak Jonathan. \p \v 23 Epi \x + \xo 13:23 \xo*\xt I Sam 14:1\xt*\x*ekip post militè a Filisten yo te sòti rive nan pasaj Micmasch. \c 14 \p \v 1 Alò jou a te rive ke Jonathan, fis a Saül la, te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini, annou travèse vè anplasman post militè Filisten ki sou kote lòtbò a.” Men li pa t pale sa a papa l. \v 2 Saül te rete nan zòn andeyò \x + \xo 14:2 \xo*\xt I Sam 13:15-16\xt*\x*Guibea anba pye grenad la nan \x + \xo 14:2 \xo*\xt És 10:28 \xt*\x*Migron. Epi moun ki te avèk li yo te anviwon sis-san mesye. \v 3 Achija, fis a Achithub la, frè I-Kabod, fis a Phinées a, fis a Éli, sakrifikatè SENYÈ a nan \x + \xo 14:3 \xo*\xt I Sam 1:3\xt*\x*Silo, te abiye avèk yon efòd. Epi pèp la pa t konnen ke Jonathan te ale. \p \v 4 \x + \xo 14:4 \xo*\xt I Sam 13:23\xt*\x*Antre pasaj kote Jonathan te chache travèse pou rive nan anplasman post militè Filisten yo, te gen yon kote dan wòch byen file sou yon bò ak yon dan wòch byen file sou lòtbò a. Youn te rele Botsets e lòt la te rele Séné. \v 5 Youn nan dan wòch yo te leve nan kote nò anfas Micmasch e lòt la nan sid anfas Guéba. \v 6 Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske \x + \xo 14:6 \xo*\xt Za 4:6\xt*\x*SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.” \p \v 7 Sila ki pote zam li yo te di: “Fè tout sa ki nan kè ou; vire ou menm e mwen la avèk ou selon volonte ou.” \p \v 8 Jonathan te di: \x + \xo 14:8 \xo*\xt Jij 7:9-14\xt*\x*“Gade byen, nou va travèse lòtbò vè mesye yo pou vin parèt a yo menm. \v 9 Si yo di nou: ‘Tann jiskaske nou rive bò kote nou’, alò, nou va kanpe nan plas nou e pa monte kote yo. \v 10 Men si yo di: ‘Vin monte kote nou’, alò nou va monte. Paske SENYÈ a te mete yo nan men nou; epi \x + \xo 14:10 \xo*\xt Jen 24:14\xt*\x*sa va sinyal pou nou.” \p \v 11 Lè yo toude te parèt nan anplasman militè Filisten yo, Filisten yo te di: “Gade byen, \x + \xo 14:11 \xo*\xt I Sam 13:6\xt*\x*Ebre yo vin sòti nan tou a kote yo te kache kò yo.” \v 12 Epi mesye nan anplasman yo te rele Jonathan avèk gason ki pote zam li yo. Yo te di: “Monte kote nou pou nou di ou yon bagay.” \p Epi Jonathan te di a gason zam li yo: “Vin monte dèyè m, paske\x + \xo 14:12 \xo*\xt II Sam 5:24\xt*\x*SENYÈ a fin mete yo nan men Israël.” \v 13 Alò, Jonathan te rale monte ak men l ak pye li, avèk gason zam yo dèyè li. Konsa, yo te tonbe devan Jonathan e gason zam yo te touye kèk apre li. \v 14 Premye masak sa ke Jonathan avèk gason zam yo te fè te anviwon ven òm soti nan mwatye distans ke yon cha ta fè lè l ap raboure fè yon pase nan yon tyè kawo tè. \p \v 15 Epi nan kan an yo t ap tranble, anplis nan chan an, e pami tout pèp la. Menm gason anplasman militè yo te tranble. \x + \xo 14:15 \xo*\xt I Sam 13:17-18\xt*\x*Ekip ravajè yo te tranble e latè te vin tranble jiskaske li te tranble anpil. \v 16 Gad Saül yo nan Guibea nan Benjamin te wè ke gran kantite fòs sòlda yo te kòmsi yo t ap fonn; epi yo te gaye pasi pala. \v 17 Saül te di a moun ki te avèk li yo: “Kontwole soti koulye a pou wè kilès ki kite nou.” Epi lè yo fin fè kontwòl, gade byen, Jonathan avèk gason potè zam li yo pa t la. \p \v 18 Alò, Saül te di a Achija: \x + \xo 14:18 \xo*\xt I Sam 23:9\xt*\x*“Mennen lach Bondye a isit la.” Paske lach Bondye a te nan tan sa a avèk fis Israël yo. \v 19 \x + \xo 14:19 \xo*\xt Nonb 27:21\xt*\x*Pandan Saül te pale avèk prèt la, zen nan kan Filisten yo te kontinye e te vin ogmante. Donk, Saül te di prèt la: “Retire men w!” \p \v 20 Epi Saül avèk tout pèp ki te avèk li a te rasanble pou te rive kote batay la. Epi vwala, \x + \xo 14:20 \xo*\xt Jij 7:22\xt*\x*zam a chak moun te vire kont moun parèy pa yo. Te vin gen yon trè gran konfizyon. \v 21 Alò, Ebre ki te avèk Filisten avan yo, ki te monte avèk yo toupatou nan kan an, \x + \xo 14:21 \xo*\xt I Sam 29:4\xt*\x*menm yo menm te vire pou alinye avèk Izrayelit ki te avèk Saül ak Jonathan yo. \v 22 Lè tout \x + \xo 14:22 \xo*\xt I Sam 13:6\xt*\x*mesye Israël yo ki te kache kò yo nan peyi ti mòn Ephraïm yo te tande ke Filisten yo te sove ale, menm yo menm anplis, te kouri dèyè yo toupre nan batay la. \v 23 Konsa \x + \xo 14:23 \xo*\xt Egz 14:30\xt*\x*SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven. \p \v 24 Alò mesye Israël yo te byen peze nan jou sa a, paske Saül te \x + \xo 14:24 \xo*\xt Jos 6:26\xt*\x*mete pèp la anba yon sèman, e te di: “Modi se mesye ki manje manje avan nwit lan, jiskaske mwen fè vanjans sou lènmi mwen yo.” Konsa, pa t gen nan pèp la ki te goute manje. \p \v 25 Tout pèp peyi a te antre nan forè a e te gen siwo myèl atè a. \v 26 Lè pèp la te antre forè a, men vwala, \x + \xo 14:26 \xo*\xt Mat 3:4\xt*\x*te gen yon flèv siwo myèl. Men pèsòn pa t rale men l rive nan bouch li, paske pèp la te pè sèman an. \v 27 Men Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e \x + \xo 14:27 \xo*\xt I Sam 30:12\xt*\x*zye li te vin limen. \v 28 Epi youn nan moun yo te di: “Papa ou te mete pèp la anba sèman avèk severite e li te di: ‘Modi se mesye ki manje manje jodi a.’” Epi pèp la te bouke. \p \v 29 Alò, Jonathan te di: \x + \xo 14:29 \xo*\xt Jos 7:25\xt*\x*“Papa m te twouble peyi a! Gade, koulye a kijan zye m vin limen akoz mwen te goute yon ti kras nan siwo sa a. \v 30 Konbyen anplis, si sèlman pèp la te manje avèk libète jodi a nan piyaj lènmi ke yo te twouve a! Paske koulye a masak pami Filisten yo pa gwo.” \v 31 Yo te frape pami Filisten yo nan jou sa a soti Micmasch pou jis rive Ajalon. Epi pèp la te vin byen bouke. \v 32 \x + \xo 14:32 \xo*\xt I Sam 15:19\xt*\x*Pèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo \x + \xo 14:32 \xo*\xt Lev 17:10-14\xt*\x*avèk san an. \v 33 Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap \x + \xo 14:33 \xo*\xt Lev 7:26\xt*\x*peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.” \p Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.” \v 34 Saül te di: “Gaye nou menm pami pèp la e di yo: ‘Nou chak mennen bèf nou ban mwen, oswa mouton nou e touye li isit la pou manje. Pa fè peche kont SENYÈ a avèk afè manje san an.’” Konsa, tout pèp la nan nwit lan, yo chak te mennen bèf yo e te kòche li la. \p \v 35 Epi Saül te\x + \xo 14:35 \xo*\xt I Sam 7:12-17\xt*\x*bati yon lotèl a SENYÈ a; se te premye lotèl ke li te bati a SENYÈ a. \v 36 Epi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.” \p Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.” \p Konsa, \x + \xo 14:36 \xo*\xt I Sam 14:3-19\xt*\x*prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.” \p \v 37 Saül te fè demand a Bondye: “Èske mwen dwe desann dèyè Filisten yo? Èske Ou va ba yo nan men Israël?” Men \x + \xo 14:37 \xo*\xt I Sam 28:6\xt*\x*Li pa t reponn li nan jou sa a \v 38 Saül te di: \x + \xo 14:38 \xo*\xt Jos 7:11-12\xt*\x*“Apwoche isit la, tout chèf a tout pèp la pou fè ankèt pou aprann kijan peche sa a te vin fèt jodi a. \v 39 Paske \x + \xo 14:39 \xo*\xt I Sam 14:24-44\xt*\x*jan SENYÈ a ki delivre Israël la viv la, malgre ke si se fis mwen, Jonathan, li va anverite mouri.” Men yon moun nan tout pèp la pa t reponn li. \v 40 Alò, li te di a tout Israël: “Nou va sou yon kote e mwen menm avèk Jonathan va nan lòt kote a.” \p Epi pèp la te di a Saül: “Fè sa ki sanble bon a ou menm.” \p \v 41 Pou sa, Saül te di a SENYÈ a, Bondye a Israël la: \x + \xo 14:41 \xo*\xt Trav 1:24\xt*\x*“Fè yon tiraj osò konplè.” \p Epi Jonathan avèk Saül te pran; men pèp la te delivre. \p \v 42 Saül te di: “Tiraj osò a antre mwen menm avèk Jonathan, fis mwen an.” \p Epi se Jonathan ki pran. \p \v 43 Alò Saül te di a Jonathan: \x + \xo 14:43 \xo*\xt Jos 7:19\xt*\x*“Di mwen kisa ou te fè a.” \p Konsa, Jonathan te rakonte li e te di: “Mwen, anverite, te goute yon ti kras siwo myèl avèk pwent baton ki te nan men m nan. Men mwen, fòk mwen mouri!” \p \v 44 Saül te di: “Ke Bondye fè sa e menm plis; paske vrèman, \x + \xo 14:44 \xo*\xt I Sam 14:39\xt*\x*Jonathan, ou oblije mouri.” \p \v 45 Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, \x + \xo 14:45 \xo*\xt Trav 27:34\xt*\x*pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri. \v 46 Alò, Saül te monte kite afè kouri dèyè Filisten yo, e Filisten yo te ale kote plas pa yo a. \p \v 47 Alò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, \x + \xo 14:47 \xo*\xt I Sam 11:1-13\xt*\x*fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo. \v 48 Li te aji avèk kouraj; li te \x + \xo 14:48 \xo*\xt I Sam 15:3-7\xt*\x*bat Amalekit yo, e li te delivre Israël soti nan men a sila ki te piyaje yo. \v 49 Alò, \x + \xo 14:49 \xo*\xt I Sam 31:2\xt*\x*fis a Saül yo te Jonathan, Jischiv avèk Malkischua. Epi non a de fi yo se te konsa; non a premye ne a, Mérab e non a pi piti a, \x + \xo 14:49 \xo*\xt II Sam 6:20-23 \xt*\x*Mical. \v 50 Non a madanm a Saül se te Achinoam fi a Achimaats la. Epi non a \x + \xo 14:50 \xo*\xt II Sam 2:8\xt*\x*kapitèn lame a se te Abner, fis a Ner a, tonton a Saül. \v 51 \x + \xo 14:51 \xo*\xt I Sam 9:21\xt*\x*Kish se te papa a Saül ak Ner. Papa a Abner te fis a Abiel. \p \v 52 Alò, lagè kont Filisten yo te di anpil pandan tout jou a Saül yo. Epi lè Saül te wè nenpòt gason pwisan oswa vanyan, li te \x + \xo 14:52 \xo*\xt I Sam 8:11\xt*\x*fè l vin atache nan sèvis pa l la. \c 15 \p \v 1 Alò, Samuel te di a Saül: \x + \xo 15:1 \xo*\xt I Sam 9:16\xt*\x*“SENYÈ a te voye mwen pou onksyone ou wa sou pèp Li a, sou Israël. Pou sa, koute pawòl a SENYÈ a. \v 2 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Mwen va pini Amalek \x + \xo 15:2 \xo*\xt Egz 17:8-16\xt*\x*pou sa li te fè Israël la, jan li te opoze li nan chemen an pandan li t ap vini sòti an Égypte la. \v 3 Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men \x + \xo 15:3 \xo*\xt I Sam 22:19\xt*\x*mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’” \p \v 4 Epi Saül te pase lòd rasanble pèp la e te konte yo nan \x + \xo 15:4 \xo*\xt Jos 15:24\xt*\x*Thelaïm, de-san-mil sòlda apye yo, di-mil mesye Juda yo. \v 5 Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a. \v 6 Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske \x + \xo 15:6 \xo*\xt Egz 18:9-10\xt*\x*nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo. \p \v 7 Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan \x + \xo 15:7 \xo*\xt Jen 25:18\xt*\x*Havila pou rive \x + \xo 15:7 \xo*\xt Egz 15:22\xt*\x*Schur, ki te bò lès a Égypte la. \v 8 Li te kaptire vivan \x + \xo 15:8 \xo*\xt I Sam 15:20\xt*\x*Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe. \v 9 Men Saül avèk pèp la te \x + \xo 15:9 \xo*\xt I Sam 15:3-19\xt*\x*lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt. \p \v 10 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di: \v 11 \x + \xo 15:11 \xo*\xt Egz 32:14\xt*\x*“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske \x + \xo 15:11 \xo*\xt I Wa 9:6-7\xt*\x*li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan. \p \v 12 Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan \x + \xo 15:12 \xo*\xt Jos 15:55\xt*\x*Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.” \p \v 13 Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: “Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a.” \p \v 14 Men Samuel te di li: “Men ki mouton ke m tande k ap blete nan zòrèy mwen la a e ki rèl a bèf ke m tande la a?” \p \v 15 Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske \x + \xo 15:15 \xo*\xt Egz 32:22-23\xt*\x*pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.” \p \v 16 Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.” \p Epi li te di li: “Pale”! \p \v 17 Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke \x + \xo 15:17 \xo*\xt I Sam 9:21\xt*\x* malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo? \v 18 Epi ke SENYÈ a te voye ou fè yon misyon e te di: \x + \xo 15:18 \xo*\xt I Sam 15:3\xt*\x*‘Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.’ \v 19 Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; \x + \xo 15:19 \xo*\xt I Sam 14:32\xt*\x*men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?” \p \v 20 Alò Saül te di a Samuel: \x + \xo 15:20 \xo*\xt I Sam 15:13\xt*\x*“Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te fè misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo. \v 21 Men \x + \xo 15:21 \xo*\xt Egz 32:22-23\xt*\x*pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.” \p \v 22 Samuel te di: \x + \xo 15:22 \xo*\xt És 1:11-15\xt*\x*“Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. \v 23 Paske rebelyon se tankou peche \x + \xo 15:23 \xo*\xt Det 18:10\xt*\x*divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.” \p \v 24 Alò, Saül te di a Samuel: \x + \xo 15:24 \xo*\xt Pwov 29:25\xt*\x*“Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo. \v 25 Alò, pou sa, \x + \xo 15:25 \xo*\xt Egz 10:17\xt*\x*souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.” \p \v 26 Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske \x + \xo 15:26 \xo*\xt I Sam 13:14\xt*\x*ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.” \v 27 Lè Samuel te vire pou l sòti, \x + \xo 15:27 \xo*\xt I Wa 11:30-31\xt*\x*Saül te sezi bò manto li, e li te vin chire. \v 28 Epi Samuel te di li: \x + \xo 15:28 \xo*\xt I Sam 28:17-18\xt*\x*“SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou. \v 29 Anplis, Glwa Israël La \x + \xo 15:29 \xo*\xt Éz 24:14\xt*\x*p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.” \p \v 30 Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, \x + \xo 15:30 \xo*\xt És 29:13\xt*\x*pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.” \p \v 31 Konsa, Samuel te swiv Saül retounen e Saül te adore SENYÈ a. \v 32 Alò, Samuel te di: “Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo.” \p Epi Agag te vin kote li avèk kè kontan. Akoz Agag t ap di: “Asireman gou anmè lanmò a gen tan pase.” \p \v 33 Men Samuel te di: \x + \xo 15:33 \xo*\xt Jij 1:7\xt*\x*“Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal. \p \v 34 Samuel te ale \x + \xo 15:34 \xo*\xt I Sam 7:17\xt*\x*Rama; men Saül te monte vè lakay li nan Guibea ki pou li. \v 35 \x + \xo 15:35 \xo*\xt I Sam 19:24\xt*\x*Samuel pa t wè Saül ankò jis jou li te mouri an. Paske Samuel te gen anpil tristès akoz Saül. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè Saül wa sou Israël. \c 16 \p \v 1 Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè \x + \xo 16:1 \xo*\xt Rt 4:17-22\xt*\x*Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te \x + \xo 16:1 \xo*\xt Sòm 78:70-71\xt*\x*chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.” \p \v 2 Men Samuel te di: “Kijan mwen kapab ale? Lè Saül tande koze sa a, li va touye mwen.” \p Epi SENYÈ a te di: \x + \xo 16:2 \xo*\xt I Sam 20:29\xt*\x*“Pran yon gazèl avèk ou e di: ‘Mwen vin fè sakrifis bay SENYÈ a.’ \v 3 Ou va envite Jesse pou vini nan sakrifis la. \x + \xo 16:3 \xo*\xt Trav 9:6\xt*\x*Mwen va montre ou kisa pou ou fè, e \x + \xo 16:3 \xo*\xt Det 17:14-15\xt*\x*ou va onksyone pou Mwen, sila ke M montre ou a.” \p \v 4 Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini \x + \xo 16:4 \xo*\xt Jen 48:7\xt*\x*Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?” \p \v 5 Li te di: “Nan lapè; mwen te vin fè sakrifis bay SENYÈ a. Pou sa, \x + \xo 16:5 \xo*\xt Jen 35:2\xt*\x*konsakre nou e vin avè m nan sakrifis la.” Anplis, li te konsakre Jesse avèk fis li yo, e li te envite yo nan sakrifis la. \v 6 Lè yo te antre, li te gade \x + \xo 16:6 \xo*\xt I Sam 17:13\xt*\x*Eliab e li te panse: “Vrèman onksyone SENYÈ a devan m nan.” \p \v 7 Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, \x + \xo 16:7 \xo*\xt I Sam 2:3\xt*\x*men SENYÈ a wè kè a.” \p \v 8 Epi Jesse te rele \x + \xo 16:8 \xo*\xt I Sam 17:13\xt*\x*Abinadab pou te fè l pase devan Samuel. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” \v 9 Pwochènman, Jesse te fè \x + \xo 16:9 \xo*\xt I Sam 17:13\xt*\x*Schamma vin pase. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.” \v 10 Konsa Jesse te fè kat nan fis li yo pase devan Samuel. Men Samuel te di a Jesse: “SENYÈ a pa t chwazi sila yo.” \v 11 Epi Samuel te di a Jesse: “Èske sa yo se tout pitit ou yo?” \p Epi li te di: \x + \xo 16:11 \xo*\xt I Sam 17:12\xt*\x*“Rete toujou pi piti a. Gade, li ap okipe mouton yo.” \p Alò Samuel te di a Jesse: “Voye chache li, paske nou p ap chita jiskaske li vin isit la.” \p \v 12 Konsa, li te voye chache li antre. Alò li te wouj avèk zye byen bèl ak aparans ki bèl. Epi SENYÈ a te di: \x + \xo 16:12 \xo*\xt I Sam 9:17\xt*\x*“Leve, onksyone li, paske sa se li menm.” \p \v 13 Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi \x + \xo 16:13 \xo*\xt Nonb 27:18\xt*\x*Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt. \p Epi Samuel te leve pou te ale Rama. \v 14 Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon \x + \xo 16:14 \xo*\xt I Sam 16:15-16\xt*\x*move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li. \v 15 Sèvitè a Saül yo te di li: “Gade byen, koulye a, yon move lespri ki sòti nan Bondye ap teworize ou. \v 16 Kite mèt nou an kòmande sèvitè li yo pou chache yon nonm ki fò nan jwe ap. Konsa li va rive lè move lespri ki sòti nan Bondye a vini sou ou, ke \x + \xo 16:16 \xo*\xt I Sam 18:10\xt*\x*li va jwe ap la avèk men l e ou va vin geri.” \p \v 17 Pou sa, Saül te di a sèvitè li yo: “Founi pou mwen koulye a yon nonm ki kapab jwe ap e mennen li ban mwen.” \p \v 18 Alò, youn nan jennonm sa yo te di: “Gade byen, mwen konn wè yon fis a Jesse, Betleyemit lan, ki se yon mizisyen byen fò, \x + \xo 16:18 \xo*\xt I Sam 17:32-36\xt*\x*yon mesye pwisan avèk anpil kouraj, yon gèrye, yon moun ki saj nan pawòl, yon bo gason; epi \x + \xo 16:18 \xo*\xt I Sam 3:19\xt*\x*SENYÈ a avè l.” \p \v 19 Konsa, Saül te voye mesaje yo vè Jesse e te di: “Voye pou mwen David, fis ou a, ki avèk bann mouton an.” \p \v 20 Jesse te \x + \xo 16:20 \xo*\xt I Sam 10:4-27\xt*\x*pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a. \v 21 Epi David te vin kote Saül e li te \x + \xo 16:21 \xo*\xt Jen 41:46\xt*\x*okipe li. Saül te renmen li anpil, e David te devni pòtè a zam pou li. \v 22 Saül te voye a Jesse, e te di: “Kite David kanpe koulye a devan mwen, paske li gen tan twouve favè nan zye m.” \v 23 Epi li te rive ke nenpòt lè \x + \xo 16:23 \xo*\xt I Sam 16:14-16\xt*\x*move lespri ki sòti nan Bondye a te vin kote Saül, David te pran ap la, e li te jwe avèk men li. Konsa, Saül te renouvle, li te vin sen e move lespri a te vin kite li. \c 17 \p \v 1 Alò, \x + \xo 17:1 \xo*\xt I Sam 13:5\xt*\x*Filisten yo te rasanble lame yo pou batay. Yo te rasanble vè Soco ki pou Juda e yo te fè kan antre Soco avèk Azéka nan Éphés-Dammim. \v 2 Saül avèk mesye Israël yo te rasanble pou fè kan nan vale \x + \xo 17:2 \xo*\xt I Sam 21:9\xt*\x*Ela a e yo te vin rale yo nan lòd batay la pou rankontre Filisten yo. \v 3 Filisten yo te kanpe sou ti mòn nan e Izrayelit yo sou lòt kote a, avèk vale a antre yo de. \v 4 Yon chanpyon yo te rele \x + \xo 17:4 \xo*\xt II Sam 21:19\xt*\x*Goliath ki te sòti nan \x + \xo 17:4 \xo*\xt Jos 11:22\xt*\x*Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous). \v 5 Li te mete yon kas an bwonz sou tèt li. Li te abiye avèk pwotèj an kal ki te peze senk-mil sik an bwonz. \v 6 Anplis, li te genyen pwotèj an bwonz sou janm li avèk yon \x + \xo 17:6 \xo*\xt I Sam 17:45\xt*\x*lans an bwonz ki te pann antre zepòl li. \v 7 Manch a lans lan te tankou travès nan yon aparèy fè twal. Lans li an te peze sis san sik (anviwon 18 liv) an fè. \x + \xo 17:7 \xo*\xt I Sam 17:41\xt*\x*Potè pwotèj li a osi te mache devan li. \v 8 Li te kanpe e li te rele fò vè lame alinye Israël la, e li te di yo: “Poukisa nou vin alinye pou batay la? Èske mwen menm se pa yon Filisten e nou menm \x + \xo 17:8 \xo*\xt I Sam 8:17\xt*\x*sèvitè a Saül? Chwazi yon mesye pou kont nou e kite li parèt kote mwen. \v 9 \x + \xo 17:9 \xo*\xt II Sam 2:12-16\xt*\x*Si li menm kapab goumen avè m, e touye mwen, alò nou va devni sèvitè pa nou. Men si mwen vin genyen li e touye li, alò, nou va devni sèvitè nou pou sèvi nou.” \v 10 Ankò, Filisten an te di: \x + \xo 17:10 \xo*\xt I Sam 17:26-45\xt*\x*“Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!” \p \v 11 Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil. \v 12 Alò, David te \x + \xo 17:12 \xo*\xt Rt 4:22\xt*\x*fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm. \v 13 Twa lòt fis a Jesse yo te swiv Saül nan batay la. Epi \x + \xo 17:13 \xo*\xt I Sam 16:6-9\xt*\x*non a twa fis li yo ki te ale nan batay la se te Éliab, premye ne a, Abinadab, dezyèm ne a ak Schamma, twazyèm ne a. \v 14 \x + \xo 17:14 \xo*\xt I Sam 16:11\xt*\x*David se te pi piti a. Alò, twa ki te pi gran yo te swiv Saül. \v 15 \x + \xo 17:15 \xo*\xt I Sam 16:21-23\xt*\x*Men David te fè ale retou soti nan Saül pou okipe bann mouton papa li nan Bethléhem. \p \v 16 Filisten an te parèt ni nan maten ni nan aswè pandan karant jou e li te fè kanpe li. \p \v 17 Alò, Jesse te di a David, fis li a: \x + \xo 17:17 \xo*\xt I Sam 25:18\xt*\x*“Pran koulye a pou frè ou yo yon efa nan sereyal boukannen an, e kouri ale nan kan pa yo a. \v 18 Mennen ankò dis fwomaj sila yo bay kòmandan a milye pa yo, e \x + \xo 17:18 \xo*\xt Jen 37:13-14\xt*\x*tyeke si sa ale byen avèk frè ou yo e retounen avèk nouvèl pa yo. \v 19 Paske Saül avèk tout lame Israël la nan vale Ela a, nan goumen avèk Filisten yo.” \p \v 20 Alò, David te leve bonè nan maten e li te kite bann mouton an avèk yon jeran. Li te pran bagay yo e li te ale jan Jesse te kòmande li a. Epi li te antre nan \x + \xo 17:20 \xo*\xt I Sam 26:5-7\xt*\x*kote kan an pandan lame a t ap sòti nan lòd batay la e li t ap koute kri gè a. \v 21 Israël avèk Filisten yo te vin parèt nan chan batay yo, lame kont lame. \v 22 Alò, David te kite \x + \xo 17:22 \xo*\xt Jij 18:21\xt*\x*sa l pote sou kont yon jeran, li te kouri vè chan batay la e li te antre pou l ta kapab salye frè li yo. \v 23 Pandan li t ap pale avèk yo, veye byen, ewo Filisten an ki sòti nan Gat ki te rele Goliath la, t ap monte soti nan lame a Filisten yo. Li te repete \x + \xo 17:23 \xo*\xt I Sam 17:8-10\xt*\x*menm pawòl sa yo, e David te tande. \v 24 Lè tout mesye Israël yo te wè nonm nan, yo te kouri kite li e yo te vin pè anpil. \v 25 Mesye Israël yo te di: “Èske ou te wè nonm sa a ki ap vin monte a? Anverite, li ap vin monte pou jete defi devan Israël. Epi li va rive ke wa a va fè moun ki touye li a rich avèk gran richès. Epi li \x + \xo 17:25 \xo*\xt Jos 15:16\xt*\x*va ba li fi li, e li va fè lakay papa li lib an Israël.” \p \v 26 Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire \x + \xo 17:26 \xo*\xt I Sam 11:2\xt*\x*wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?” \p \v 27 Pèp la, selon pawòl sila a, te reponn e te di: “Se konsa li va fèt pou mesye ki touye li a.” \p \v 28 Alò, Éliab, pi gran frè li a te tande lè li te pale ak mesye yo. Epi \x + \xo 17:28 \xo*\xt Pwov 18:19\xt*\x*kòlè Éliab te brile kont David. Li te di: “Poukisa ou te desann isit la? Epi avèk kilès ou te kite ti kras grenn mouton ou yo nan dezè a? Mwen konprann ògèy ou ak mechanste ki nan kè ou; paske ou te vin desann pou ou kab wè batay la.” \p \v 29 Men David te di: “Kisa mwen te fè koulye a? Se pa sèlman ke m poze yon kesyon?” \v 30 Epi li te vire kite li e te mande yon lòt \x + \xo 17:30 \xo*\xt I Sam 17:26-27\xt*\x*menm bagay la. Konsa, pèp la te reponn menm bagay kòm avan an. \v 31 Lè pawòl David te pale yo, te tande, yo te pale avèk Saül, e li te voye chache li. \v 32 David te di a Saül: \x + \xo 17:32 \xo*\xt Det 20:1-4\xt*\x*“Pa kite moun pèdi kouraj sou kont a li. \x + \xo 17:32 \xo*\xt I Sam 16:18\xt*\x*Sèvitè ou a va ale batay avèk Filisten sila a.” \p \v 33 Epi Saül te di a David: \x + \xo 17:33 \xo*\xt Nonb 13:31\xt*\x* “Ou pa kapab ale kont Filisten sila a. Ou pa plis ke yon jennonm e li menm, li te yon gèrye depi li te jenn.” \p \v 34 Men David te di Saül: “Sèvitè ou a t ap okipe mouton papa l. Lè yon lyon, oswa yon lous te vin pran yon jenn mouton nan bann mouton an, \v 35 mwen te sòti dèyè li, mwen te atake li, mwen te \x + \xo 17:35 \xo*\xt Am 3:12\xt*\x*fè l chape soti nan bouch li; epi lè l te leve kont mwen, mwen te sezi li pa bab li e te touye li. \v 36 Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.” \p \v 37 Epi David te di: \x + \xo 17:37 \xo*\xt II Tim 4:17-18\xt*\x*“SENYÈ a ki te delivre mwen soti nan pat lyon ak nan pat lous yo, Li va delivre mwen soti nan men a Filisten sila a.” \p Konsa, Saül te di a David, \x + \xo 17:37 \xo*\xt I Kwo 22:11-16\xt*\x*“Ale e ke SENYÈ a kapab avèk ou.” \p \v 38 Saül te abiye David avèk vètman pa li yo, li te mete yon kas an bwonz sou tèt li, e li te abiye li avèk pwotèj. \v 39 David te mete nepe a sou tout pwotèj yo, li te eseye mache, paske li potko fè anyen avèk yo. Alò David te di a Saül: “Mwen pa kapab ale avèk sila yo, paske m pa abitye ak yo.” Epi David te retire yo. \p \v 40 Li te pran baton li nan men l e li te chwazi pou kont li senk wòch ravin byen poli, e te mete yo nan ti makout bèje ke li te genyen an. Fistibal li te nan men li. Konsa li te pwoche Filisten sa a. \v 41 Alò, Filisten an te kontinye vin pwoche David avèk potè zam nan devan l. \v 42 Lè Filisten an te gade wè David, \x + \xo 17:42 \xo*\xt Sòm 123:4\xt*\x*li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans. \v 43 Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi \x + \xo 17:43 \xo*\xt I Wa 20:10\xt*\x*Filisten an te anmède David pa dye pa li yo. \v 44 Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a \x + \xo 17:44 \xo*\xt I Sam 17:46\xt*\x*a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.” \p \v 45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; \x + \xo 17:45 \xo*\xt Sòm 124:8\xt*\x*men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a. \v 46 Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay \x + \xo 17:46 \xo*\xt Det 28:26\xt*\x*kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël, \v 47 epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; \x + \xo 17:47 \xo*\xt II Kwo 20:15\xt*\x*paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.” \p \v 48 Epi li te rive ke lè Filisten an te leve vini pou te parèt toupre David, ke \x + \xo 17:48 \xo*\xt Sòm 27:3\xt*\x*David te kouri vit vè chan batay la pou rankontre Filisten an. \v 49 David te mete men l nan sak li, li te rale ladann yon wòch, li te tire li e li te frape Filisten an sou fwon li. Wòch la te fonse antre nan fwon l, e li te vin tonbe sou figi li atè. \v 50 Konsa, David te genyen Filisten an avèk yon fistibal ak yon wòch. Li te frape Filisten an e te touye li, men pa t gen nepe nan men David. \v 51 Alò David te kouri kanpe sou Filisten an e te pran pwòp nepe pa li a, li te rale l soti nan fouwo li, li te touye li e te koupe tèt li avè l. \p \x + \xo 17:51 \xo*\xt Eb 11:34\xt*\x*Lè Filisten yo te wè ke ewo pa yo a te mouri, yo te sove ale. \v 52 Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay \x + \xo 17:52 \xo*\xt Jos 15:11\xt*\x*Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron. \v 53 Fis Israël yo te retounen soti nan lachas Filisten yo e te piyaje tout kan yo. \v 54 Alò, David te pran tèt Filisten an e te mennen li Jérusalem, men li te mete zam Goliath yo nan tant lan. \v 55 Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” \p Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.” \p \v 56 Wa a te di: “Mande moun pou konnen fis a kilès jennonm sa a ye.” \p \v 57 Pou sa, lè David te retounen fin touye Filisten an, Abner te pran li e te \x + \xo 17:57 \xo*\xt I Sam 17:54\xt*\x*mennen li devan Saül avèk tèt Filisten an nan men li. \v 58 Saül te di li: “Se fis a kilès ou ye jennonm?” \p Epi David te reponn li: \x + \xo 17:58 \xo*\xt I Sam 17:12\xt*\x*“Fis a sèvitè ou, Jesse, Betleyemit lan.” \c 18 \p \v 1 Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li. \v 2 Saül te pran li nèt nan jou sa a e \x + \xo 18:2 \xo*\xt I Sam 17:15\xt*\x*pa t kite li retounen lakay papa l. \v 3 Epi \x + \xo 18:3 \xo*\xt I Sam 20:8-17\xt*\x*Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li. \v 4 \x + \xo 18:4 \xo*\xt I Sam 17:38\xt*\x*Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li. \p \v 5 Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo. \p \v 6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke \x + \xo 18:6 \xo*\xt Sòm 68:25\xt*\x*fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. \v 7 Fanm yo te \x + \xo 18:7 \xo*\xt Egz 15:21\xt*\x*chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di: \q1 “Saül te touye dè milye pa li menm \q1 e \x + \xo 18:7 \xo*\xt II Sam 18:3 \xt*\x*David dè di-milye pa li menm.” \p \v 8 Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò \x + \xo 18:8 \xo*\xt I Sam 15:28\xt*\x*kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?” \v 9 Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè. \v 10 Nan jou aprè a, \x + \xo 18:10 \xo*\xt I Sam 16:14\xt*\x*yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l. \v 11 \x + \xo 18:11 \xo*\xt I Sam 19:10\xt*\x*Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa. \v 12 Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li \x + \xo 18:12 \xo*\xt I Sam 16:14\xt*\x*te fin kite Saül. \v 13 Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa \x + \xo 18:13 \xo*\xt I Sam 18:16\xt*\x*li te sòti e antre devan pèp la. \p \v 14 David t ap reyisi nan tout chemen li yo, \x + \xo 18:14 \xo*\xt Jen 39:2-23\xt*\x*paske SENYÈ a te avèk li. \v 15 Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li. \v 16 Men \x + \xo 18:16 \xo*\xt I Sam 18:5\xt*\x*tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo. \v 17 Alò, Saül te di a David: \x + \xo 18:17 \xo*\xt I Sam 17:25\xt*\x*“Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.” \p \v 18 Men David te di a Saül: \x + \xo 18:18 \xo*\xt I Sam 9:21\xt*\x*“Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?” \p \v 19 Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a \x + \xo 18:19 \xo*\xt II Sam 21:8\xt*\x*Adriel, Meolayit la, kòm madanm. \p \v 20 Alò, \x + \xo 18:20 \xo*\xt I Sam 18:28\xt*\x*Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm. \v 21 Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, \x + \xo 18:21 \xo*\xt I Sam 18:26\xt*\x*“Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.” \p \v 22 Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’” \p \v 23 Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, \x + \xo 18:23 \xo*\xt Jen 29:20\xt*\x*akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?” \p \v 24 Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo. \p \v 25 Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepuce yo ki sòti nan Filisten yo, \x + \xo 18:25 \xo*\xt I Sam 14:24\xt*\x*pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, \x + \xo 18:25 \xo*\xt I Sam 18:17\xt*\x*Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo. \v 26 Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. \x + \xo 18:26 \xo*\xt I Sam 18:21\xt*\x*Avan jou yo te fini, \v 27 David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, \x + \xo 18:27 \xo*\xt II Sam 3:14\xt*\x*David te mennen prepuce pa yo e yo te bay yo an tout a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li. \v 28 Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li, \v 29 li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt. \p \v 30 Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David \x + \xo 18:30 \xo*\xt I Sam 18:5\xt*\x*te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil. \c 19 \p \v 1 Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men \x + \xo 19:1 \xo*\xt I Sam 18:1-3\xt*\x* Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David. \v 2 Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la. \v 3 Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi \x + \xo 19:3 \xo*\xt I Sam 20:9-13\xt*\x*si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou.” \p \v 4 Konsa, Jonathan te \x + \xo 19:4 \xo*\xt I Sam 20:32\xt*\x*pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil. \v 5 Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e \x + \xo 19:5 \xo*\xt I Sam 11:13\xt*\x*SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?” \p \v 6 Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te fè ve: “Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò.” \p \v 7 Alò, Jonathan te rele David e li te di li tout pawòl sila yo. Epi Jonathan te mennen David vè Saül, e li te vin nan prezans li kòm \x + \xo 19:7 \xo*\xt I Sam 16:21\xt*\x*oparavan. \p \v 8 Lè te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li. \p \v 9 Alò, te genyen yon \x + \xo 19:9 \xo*\xt I Sam 16:14\xt*\x*move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li. \v 10 \x + \xo 19:10 \xo*\xt I Sam 18:11\xt*\x*Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi lan. David te sove ale e te pran flit menm nwit sa. \v 11 \x + \xo 19:11 \xo*\xt Jij 16:2\xt*\x*Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.” \v 12 Konsa, Mical te fè David lage\x + \xo 19:12 \xo*\xt Trav 9:25\xt*\x*desann nan yon fenèt. Li te sòti deyò e te chape ale. \v 13 Mical te pran zidòl kay la e li te poze li sou kabann nan. Li te mete yon kouvèti fèt avèk plim kabrit kote tèt li e te kouvri li avèk rad. \v 14 Lè Saül te voye mesaje yo pran David, li te di: \x + \xo 19:14 \xo*\xt Jos 2:5\xt*\x*“Li malad.” \p \v 15 Alò, Saül te voye mesaje yo wè David, e li te di: “Mennen li monte kote mwen sou kabann li, pou m kab mete l a lanmò.” \v 16 Lè mesaje yo te antre, gade byen, zidòl kay la te sou kabann nan avèk kouvèti plim kabrit la sou tèt li. \p \v 17 Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?” \p Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! \x + \xo 19:17 \xo*\xt II Sam 2:22\xt*\x*Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’” \p \v 18 Alò David te sove ale e te chape rive \x + \xo 19:18 \xo*\xt I Sam 7:17\xt*\x*vè Samuel nan Rama. Epi li te di li tout sa ke Saül te fè l. Li menm avèk Samuel te ale rete Najoth. \v 19 Koze sa a te rive kote Saül ke: “Gade byen, David nan Najoth nan Rama.” \p \v 20 Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men lè yo te wè konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi \x + \xo 19:20 \xo*\xt Nonb 11:25\xt*\x*yo tou te pwofetize. \v 21 Lè sa te pale a Saül, li te voye lòt mesaje. Epi yo menm tou te vin pwofetize. Alò, Saül te voye mesaje yon twazyèm fwa, e yo anplis te pwofetize. \p \v 22 Epi li menm tou te ale Rama pou kont li e te rive jis nan gran pwi ki nan Secu a. Li te pale e te di: “Kote Samuel avèk David?” Epi yon moun te di: \p “Veye byen, yo nan Najoth nan Rama.” \p \v 23 Li te kontinye jis rive nan Najoth nan Rama. Konsa, \x + \xo 19:23 \xo*\xt I Sam 10:10\xt*\x*Lespri Bondye te vini sou li tou jiskaske li t ap pwofetize pandan nan wout la pou rive kote Najoth nan Rama a. \v 24 Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: \x + \xo 19:24 \xo*\xt I Sam 10:10-12\xt*\x*“Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?” \c 20 \p \v 1 Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin \x + \xo 20:1 \xo*\xt I Sam 24:9\xt*\x*di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?” \p \v 2 Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!” \p \v 3 Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, \x + \xo 20:3 \xo*\xt I Sam 25:26\xt*\x*jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.” \p \v 4 Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.” \p \v 5 Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se \x + \xo 20:5 \xo*\xt Nonb 28:11-15\xt*\x* nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou. \v 6 Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive \x + \xo 20:6 \xo*\xt I Sam 17:58\xt*\x*Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’ \v 7 Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, \x + \xo 20:7 \xo*\xt I Sam 25:17\xt*\x*konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la. \v 8 Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske \x + \xo 20:8 \xo*\xt I Sam 18:3\xt*\x*ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?” \p \v 9 Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?” \p \v 10 Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?” \p \v 11 Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an. \v 12 Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa? \v 13 Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. \x + \xo 20:13 \xo*\xt Jos 1:5\xt*\x* Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan. \v 14 Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri? \v 15 \x + \xo 20:15 \xo*\xt II Sam 9:1-3\xt*\x*Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.” \v 16 Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.” \p \v 17 Jonathan te fè David fè ve a ankò \x + \xo 20:17 \xo*\xt I Sam 18:1\xt*\x*akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li. \v 18 Alò, Jonathan te di li: \x + \xo 20:18 \xo*\xt I Sam 20:5\xt*\x*“Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid \v 19 Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la. \v 20 Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè. \v 21 Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la. \v 22 Men si mwen di ti gason an: \x + \xo 20:22 \xo*\xt I Sam 20:37\xt*\x*‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale. \v 23 Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, \x + \xo 20:23 \xo*\xt Jen 31:49-53\xt*\x*SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.” \p \v 24 Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje. \v 25 Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men \x + \xo 20:25 \xo*\xt I Sam 20:18\xt*\x*plas David la te vid. \v 26 Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon \x + \xo 20:26 \xo*\xt Lev 7:20-21\xt*\x*malè ki rive e li vin pa pwòp. Asireman, li pa pwòp.” \p \v 27 Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?” \p \v 28 Alò, Jonathan te reponn Saül: \x + \xo 20:28 \xo*\xt I Sam 20:6\xt*\x* “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem, \v 29 paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou, souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.” \p \v 30 Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou. \v 31 Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske \x + \xo 20:31 \xo*\xt II Sam 12:5\xt*\x*fòk li mouri.” \p \v 32 Men Jonathan te reponn Saül, papa li: \x + \xo 20:32 \xo*\xt Pwov 31:9\xt*\x*“Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?” \p \v 33 Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò. \v 34 Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa. \p \v 35 Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la, e yon ti gason te avè l. \v 36 Li te di a jennonm nan: \x + \xo 20:36 \xo*\xt Pwov 31:9\xt*\x*“Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li. \v 37 Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: \x + \xo 20:37 \xo*\xt I Sam 20:22\xt*\x*“Èske flèch la pa pi lwen ou?” \v 38 Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li. \v 39 Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a. \v 40 Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.” \p \v 41 Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te \x + \xo 20:41 \xo*\xt Jen 42:6\xt*\x*bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men \x + \xo 20:41 \xo*\xt I Sam 18:3\xt*\x*David te kriye plis. \v 42 Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: \x + \xo 20:42 \xo*\xt I Sam 20:15-23\xt*\x*‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la. \c 21 \p \v 1 Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te \x + \xo 21:1 \xo*\xt I Sam 16:4\xt*\x*parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?” \v 2 David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: \x + \xo 21:2 \xo*\xt Sòm 141:3\xt*\x*‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’ \v 3 Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk moso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.” \p \v 4 Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te \x + \xo 21:4 \xo*\xt Egz 19:15\xt*\x*kenbe tèt yo lwen fanm.” \p \v 5 David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. \x + \xo 21:5 \xo*\xt I Tes 4:4\xt*\x*Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?” \v 6 Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke \x + \xo 21:6 \xo*\xt Lev 24:5-9\xt*\x*pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire. \p \v 7 Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te \x + \xo 21:7 \xo*\xt I Sam 14:47\xt*\x*Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo. \p \v 8 David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.” \p \v 9 Alò, prèt la te di: \x + \xo 21:9 \xo*\xt I Sam 17:51-54\xt*\x*“Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye \x + \xo 21:9 \xo*\xt I Sam 17:2 \xt*\x*nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.” \p Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.” \p \v 10 Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè \x + \xo 21:10 \xo*\xt Sòm 34\xt*\x*Akisch, wa a Gath la. \v 11 Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? \x + \xo 21:11 \xo*\xt I Sam 18:7\xt*\x*Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di: \q1 ‘Saül te touye dè milye pa li e \q1 David dè di-milye pa li?’” \p \v 12 David te \x + \xo 21:12 \xo*\xt Luc 2:19\xt*\x*swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil. \v 13 Konsa, li te \x + \xo 21:13 \xo*\xt Sòm 34\xt*\x*kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li. \v 14 Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen? \v 15 Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?” \c 22 \p \v 1 Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li. \v 2 Tout sila ki te nan pwoblèm yo, tout moun ki te nan gwo dèt, tout moun ki pa t kontan te vin rasanble kote li, e li te devni chèf sou yo. Alò te gen \x + \xo 22:2 \xo*\xt I Sam 23:13\xt*\x*anviwon kat-san òm avèk li. \v 3 Epi David te kite la pou ale Mitspé nan Moab. Li te di a wa Moab la: “Souple, kite papa m avèk manman m vin rete avèk ou jiskaske mwen konnen sa ke Bondye va fè pou mwen an.” \v 4 Epi li te kite yo avèk wa Moab la. Yo te rete avèk li pandan tout tan ke David te nan fò a. \v 5 \x + \xo 22:5 \xo*\xt II Sam 24:11\xt*\x*Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.” \p Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth. \p \v 6 Alò Saül te tande ke David avèk mesye ki te avèk li yo te vin dekouvri. Konsa, \x + \xo 22:6 \xo*\xt Jij 4:5\xt*\x*Saül te chita nan Guibea anba pye tamaren an sou ti mòn lan avèk frenn li nan men l e tout sèvitè li yo te kanpe antoure li. \v 7 Saül te di a sèvitè ki te kanpe antoure li yo: “Tande koulye a, O Benjamit yo! Èske fis a Jesse a, osi bannou tout chan kiltive avèk chan rezen? \x + \xo 22:7 \xo*\xt I Sam 8:12\xt*\x*Èske li va fè nou tout kòmandan a dè milye e kòmandan a dè santèn? \v 8 Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen \x + \xo 22:8 \xo*\xt I Sam 18:3\xt*\x*lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.” \p \v 9 Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: \x + \xo 22:9 \xo*\xt I Sam 21:1\xt*\x*“Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote \x + \xo 22:9 \xo*\xt I Sam 14:3\xt*\x*Achimélec, fis a Achithub la. \v 10 Li te konsilte SENYÈ a pou li, li te ba li pwovizyon e li te bay li nepe Goliath la, Filisten an.” \p \v 11 Alò, wa a te voye yon moun pou livre yon lòd prezans obligatwa pou Achimélec, prèt la, fis Achithub la, avèk tout lakay papa li, prèt ki te nan Nob yo. Epi tout te vin parèt devan wa a. \v 12 Saül te di: “Koute koulye a, fis a Achithub la.” \p Epi li te reponn: “Men mwen isit la, mèt mwen.” \p \v 13 Alò, Saül te di li: “Poukisa ou menm avèk fis a Jesse a te fè konplo kont mwen nan afè ba li pen, avèk yon nepe e konsilte avèk Bondye pou li, pou li kapab leve kont mwen e \x + \xo 22:13 \xo*\xt I Sam 22:8\xt*\x*kache fè anbiskad, jan sa ye la jodi a?” \p \v 14 \x + \xo 22:14 \xo*\xt I Sam 19:4-5\xt*\x*Alò, Achimélec te reponn wa a e te di: “Epi se kilès pami sèvitè ou yo ki fidèl tankou David, bofis menm a wa a, ki se kapitèn gad ou e onore lakay ou? \v 15 Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.” \p \v 16 Men wa a te di: “Anverite, ou va mouri, Achimélec; ou menm avèk tout lakay papa ou!” \v 17 Epi wa a te di a gad ki te okipe li yo: “Vire mete prèt SENYÈ a a lanmò, akoz men yo avèk David e akoz yo te konnen ke li te sove ale e yo pa t revele sa a mwen menm.” Men \x + \xo 22:17 \xo*\xt Egz 1:17\xt*\x*sèvitè a wa yo pa t vle lonje men yo pou atake prèt SENYÈ yo. \p \v 18 Alò, wa a te di a Doëg: “Ou menm vire atake prèt yo.” \p Epi Doëg, Edomit lan, te vire atake prèt yo e \x + \xo 22:18 \xo*\xt I Sam 2:31\xt*\x* te touye katre-ven-senk òm \x + \xo 22:18 \xo*\xt I Sam 2:18\xt*\x*ki te abiye ak efòd len an. \v 19 Epi \x + \xo 22:19 \xo*\xt I Sam 15:3\xt*\x*li te frape Nob, vil prèt yo avèk lam nepe, ni gason, ni fanm, ni timoun ni bebe, ansanm avèk bèf, bourik ak mouton avèk lam nepe. \v 20 Men \x + \xo 22:20 \xo*\xt I Sam 23:6-9\xt*\x*youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David. \v 21 Abiathar te di David ke Saül te touye prèt SENYÈ yo. \p \v 22 Alò, David te di a Abiathar: “Mwen te konnen nan jou sa a, lè Doëg, Edomit lan, te la, ke li t ap byensi pale ak Saül. Mwen te fè rive lanmò a chak moun lakay papa ou yo. \v 23 Rete avèk mwen. Pa pè. \x + \xo 22:23 \xo*\xt I Sam 21:7\xt*\x*Moun ki vle touye ou a ap eseye touye mwen tou. Ou va ansekirite avèk mwen.” \c 23 \p \v 1 Alò, yo te pale David. Yo te di: “Gade byen, Filisten yo ap goumen kont \x + \xo 23:1 \xo*\xt Jos 15:44\xt*\x*Keïla. Y ap piyaje grenn jaden sou glasi yo.” \p \v 2 Konsa, David te fè demann a SENYÈ a. Li te mande L: “Èske mwen dwe ale atake Filisten sila yo?” \p Epi SENYÈ a te reponn David: \x + \xo 23:2 \xo*\xt I Sam 23:4-12\xt*\x*“Ale atake Filisten yo pou delivre Keïla.” \p \v 3 Men mesye David yo te di li: “Gade byen, nou nan perèz menm isit la nan Juda. Konbyen anplis, si nou ale Keïla kont chan Filisten yo?” \p \v 4 Alò, David te fè demann SENYÈ a yon lòt fwa. Epi SENYÈ a te pale li e te di: “Leve, desann Keïla; paske \x + \xo 23:4 \xo*\xt Jos 8:7\xt*\x*Mwen va livre Filisten yo nan men ou.” \p \v 5 Konsa, David avèk mesye pa li yo te ale Keïla pou te goumen avèk Filisten yo. Yo te mennen bèt yo sòti e te frape moun avèk yon gwo masak. Konsa David te delivre pèp a Keïla a. \p \v 6 Alò, li te vin rive ke lè Abiathar, fis Achimélec la, te \x + \xo 23:6 \xo*\xt I Sam 22:20\xt*\x*sove ale pou rive kote David nan Keïla, li te desann avèk yon efòd nan men l. \p \v 7 Lè yo te pale a Saül ke David te vini Keïla, Saül te di: “Bondye te delivre li nan men m. Paske li te fèmen li menm andedan lè l te antre nan yon vil avèk pòtay doub ak fè fòje.” \v 8 Konsa, Saül te konvoke tout pèp la pou fè lagè, pou desann Keïla pou fè syèj sou David avèk mesye pa li yo. \v 9 Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a \x + \xo 23:9 \xo*\xt I Sam 22:20\xt*\x*Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.” \v 10 Epi David te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, Sèvitè ou tande ke se sèten ke Saül ap chache vini Keïla pou detwi vil la akoz mwen menm. \v 11 Èske mesye Keïla yo va livre mwen nan men li? Èske Saül va desann tankou sèvitè ou te tande a? O SENYÈ, Bondye Israël la, mwen priye, pale ak sèvitè ou a.” \p Epi SENYÈ a te di: “Li va desann.” \p \v 12 Konsa, David te di: “Èske mesye Keïla yo va livre mwen avèk mesye pa mwen yo nan men Saül?” \p SENYÈ a te reponn: \x + \xo 23:12 \xo*\xt Jij 15:10-13\xt*\x*“Yo va livre ou.” \p \v 13 Alò, David avèk mesye pa li yo, anviwon sis-san moun, te leve sòti Keïla, e yo te ale \x + \xo 23:13 \xo*\xt II Sam 15:20\xt*\x* nenpòt kote ke yo ta kab ale. Lè li te pale a Saül ke David te chape Keïla, li te sispann swiv li. \v 14 David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men \x + \xo 23:14 \xo*\xt Sòm 32:7\xt*\x*Bondye pa t livre li nan men li. \v 15 Alò, David te vin konprann ke Saül te parèt deyò pou chache lavi li pandan David te nan dezè Ziph la nan Horès. \p \v 16 Epi Jonathan, Fis a Saül la, te leve ale kote David nan Horès pou te \x + \xo 23:16 \xo*\xt I Sam 30:6\xt*\x*ankouraje li nan Bondye. \v 17 Konsa, li te di li: “Pa pè, paske men Saül, papa m nan, p ap jwenn ou. Ou va wa sou Israël e mwen va bò kote ou; epi Saül, papa m, konnen sa tou.” \v 18 Konsa, \x + \xo 23:18 \xo*\xt I Sam 20:12-42\xt*\x*yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a. \p \v 19 Epi \x + \xo 23:19 \xo*\xt I Sam 26:1\xt*\x*Zifyen yo te vin monte kote Saül nan Guibea, e te di: “Èske David pa kache pami nou nan fòterès nan Horès yo, sou mòn a Hakila a, ki sou kote sid a Jeschimon an? \v 20 Alò, koulye a, O wa, desann selon tout volonte nanm ou ta vle fè. Epi pou\x + \xo 23:20 \xo*\xt I Sam 23:12\xt*\x*pati pa nou an, nou va livre li nan men a wa a.” \p \v 21 Saül te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, \x + \xo 23:21 \xo*\xt I Sam 22:8\xt*\x*paske ou te gen kè sansib anvè mwen. \v 22 Ale, koulye a, fè byensi e fè ankèt pou wè kote li mete pye li ak sila ki konn wè li la yo; paske yo di m ke li rize anpil. \v 23 Konsa, gade e aprann tout kote l kache kò l, retounen kote mwen avèk asirans e m ap prale avè w. Epi si li nan peyi a, mwen va chache mete l deyò pami tout milye Juda yo.” \p \v 24 Epi yo te leve ale Ziph devan Saül. Alò, David avèk mesye pa li yo te nan dezè \x + \xo 23:24 \xo*\xt Jos 15:55\xt*\x*Maon, nan Araba akote sid a Jeschimon. \v 25 Lè Saül avèk mesye pa li yo te ale chache, yo te fè David konnen. Konsa, li te desann kote wòch la pou te rete nan dezè Maon an. Epi lè Saül te tande sa, li te kouri dèyè David nan dezè Maon an. \v 26 Saül te ale yon bò mòn nan, David avèk mesye pa l sou lòt kote mòn nan. Epi David t ap fè vit pou chape kite Saül, paske Saül avèk mesye pa li yo \x + \xo 23:26 \xo*\xt Sòm 17:9\xt*\x*t ap antoure David avèk mesye pa li yo pou yo ta sezi yo. \v 27 Men yon mesaje te vin kote Saül, e te di: “Fè vit! Vini! Paske Filisten yo te atake peyi a.” \v 28 Konsa, Saül te retounen soti nan kouri dèyè David pou te ale rankontre Filisten yo. Pou sa, yo te vin rele plas sa a Wòch Chape a. \p \v 29 David te monte soti la a pou te rete nan fòterès \x + \xo 23:29 \xo*\xt Jos 15:62\xt*\x*En-Guédi yo. \c 24 \p \v 1 Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, \x + \xo 24:1 \xo*\xt I Sam 23:19\xt*\x*yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.” \v 2 Alò, \x + \xo 24:2 \xo*\xt I Sam 26:2\xt*\x*Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo. \v 3 Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò \x + \xo 24:3 \xo*\xt Sòm 57\xt*\x*David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la. \v 4 Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, \x + \xo 24:4 \xo*\xt I Sam 26:8-11\xt*\x*Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la. \v 5 Li te vin rive apre ke \x + \xo 24:5 \xo*\xt II Sam 24:10\xt*\x*konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la. \v 6 Epi li te di a mesye pa li yo: “Se \x + \xo 24:6 \xo*\xt I Sam 26:11\xt*\x*lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.” \v 7 David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li. \v 8 Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” \p Epi lè Saül te gade dèyè li. \x + \xo 24:8 \xo*\xt I Sam 25:23-24\xt*\x*David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt. \v 9 David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’? \v 10 \x + \xo 24:10 \xo*\xt Sòm 7:3-4\xt*\x*Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’ \v 11 Koulye a, \x + \xo 24:11 \xo*\xt I Sam 6:4-5\xt*\x*papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m. \v 12 \x + \xo 24:12 \xo*\xt Jen 16:5\xt*\x*Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou. \v 13 Tankou pwovèb a ansyen yo di: \x + \xo 24:13 \xo*\xt Mat 7:16-20\xt*\x*‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou. \v 14 Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? \x + \xo 24:14 \xo*\xt II Sam 9:8\xt*\x*Yon chen mouri oubyen yon grenn pis? \v 15 Pou sa, \x + \xo 24:15 \xo*\xt I Sam 24:12\xt*\x*SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.” \p \v 16 Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: \x + \xo 24:16 \xo*\xt I Sam 26:17\xt*\x*“Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye. \v 17 Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w. \v 18 Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke \x + \xo 24:18 \xo*\xt I Sam 26:23\xt*\x*SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen. \v 19 Paske si yon nonm \x + \xo 24:19 \xo*\xt I Sam 26:23\xt*\x*jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a. \v 20 Alò, gade byen, \x + \xo 24:20 \xo*\xt I Sam 23:17\xt*\x*mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke \x + \xo 24:20 \xo*\xt I Sam 13:14\xt*\x*wayòm Israël la va vin etabli nan men ou. \v 21 Pou sa, \x + \xo 24:21 \xo*\xt I Sam 20:14-17\xt*\x*sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.” \p \v 22 David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan \x + \xo 24:22 \xo*\xt I Sam 23:29\xt*\x*fò a. \c 25 \p \v 1 \x + \xo 25:1 \xo*\xt I Sam 28:3\xt*\x*Samuel te mouri. Konsa, tout Israël te rasanble ansanm pou te kriye pou li, e yo te \x + \xo 25:1 \xo*\xt II Wa 21:18\xt*\x*antere li kote kay li nan Rama. \p Konsa, David te leve desann nan dezè Paran an. \v 2 Te gen yon mesye nan Maon ki te fè komès li nan \x + \xo 25:2 \xo*\xt Jos 15:55\xt*\x*Carmel. Mesye a te byen rich e li te gen twa-mil mouton avèk twa-mil kabrit. Li t ap taye lenn mouton li nan Carmel. \v 3 Alò, non mesye a te Nabal e madanm li te rele \x + \xo 25:3 \xo*\xt Pwov 31:10\xt*\x*Abigaïl. Fanm nan te entèlijan e bèl pou wè, men mesye a te di e mechan nan tout afè li yo. Se te yon moun nan ras Caleb. \v 4 David te tande soti nan dezè a ke Nabal t ap taye lenn mouton li yo. \v 5 Alò, David te voye dis jennonm kote l. David te di a jennonm sa yo: “Monte Carmel pou vizite Nabal e salye li nan non mwen. \v 6 Epi konsa ou va pale: ‘Ke lavi ou kapab byen long, \x + \xo 25:6 \xo*\xt Sòm 122:7\xt*\x*lapè avèk ou, lapè avèk lakay ou e lapè sou tout sa ou genyen. \v 7 Alò, mwen te tande \x + \xo 25:7 \xo*\xt II Sam 13:23-24\xt*\x* ke ou genyen tay lenn mouton. Alò, bèje ou yo te avèk moun nou yo. Nou pa t ensilte yo, ni yo pa t manke anyen nan tout jou ke yo te pase Carmel yo. \v 8 Mande jennonm pa ou yo e yo va pale ou. Pou sa, kite jennonm pa m yo jwenn favè nan zye ou. Paske nou vin parèt nan yon jou ke \x + \xo 25:8 \xo*\xt Né 8:10-12\xt*\x*tout moun ap fete. Pou sa, silvouplè, bay nenpòt sa ke nou twouve nan men a sèvitè ou yo, e a fis ou, David.’” \p \v 9 Lè jennonm a David yo te parèt, yo te pale ak Nabal selon tout pawòl sa yo nan non David; epi yo te tann. \p \v 10 Men Nabal te reponn sèvitè David yo e te di: \x + \xo 25:10 \xo*\xt Jij 9:28\xt*\x*“Se kilès ki David la? Epi se kilès ki fis a Jesse a? Gen anpil sèvitè nan tan sa yo k ap chape kite mèt yo. \v 11 Alò, se pou sa ke m ta dwe \x + \xo 25:11 \xo*\xt Jij 8:6-15\xt*\x*pran pen mwen avèk dlo mwen ak vyann ke m te fin kòche pou ouvriye pa m yo e bay li a mesye ke m pa menm konnen kote yo sòti yo?” \p \v 12 Alò, jennonm a David yo te retounen fè wout yo. Konsa, yo te rive pale David selon tout pawòl sa yo. \p \v 13 David te di a mesye pa li yo: “Nou chak mete nepe nou nan senti nou.” \p Konsa, tout moun te mete nepe yo nan senti yo. David osi te mete nepe li nan senti li e anviwon \x + \xo 25:13 \xo*\xt I Sam 23:13\xt*\x*kat-sant òm te monte dèyè David pandan de-san te rete avèk pwovizyon yo. \p \v 14 Men youn nan jennonm yo te pale ak Abigaïl, madanm Nabal la. Li te di: “Gade byen, David te voye mesaje yo soti nan dezè a pou \x + \xo 25:14 \xo*\xt I Sam 13:10\xt*\x*salye mèt nou an e li te betize avèk yo. \v 15 Malgre sa, mesye yo te trete nou byen e nou pa t \x + \xo 25:15 \xo*\xt I Sam 25:7-21\xt*\x*ensilte, ni nou pa t manke anyen tout tan ke nou te avèk yo a, pandan nou te nan chan yo. \v 16 \x + \xo 25:16 \xo*\xt Egz 14:22\xt*\x*Yo te yon mi pwotèj pou nou ni lannwit ni lajounen, toutotan ke nou te avèk yo pou gade mouton yo. \v 17 Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.” \p \v 18 Alò, Abigaïl te kouri \x + \xo 25:18 \xo*\xt II Sam 16:1\xt*\x*pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo. \v 19 Li te pale a jennonm pa li yo: \x + \xo 25:19 \xo*\xt Jen 32:16-20\xt*\x*“Ale devan m! Gade byen, m ap swiv nou.” Men li pa t pale mari li, Nabal. \v 20 Li te vin rive ke pandan li te toujou ap monte sou bourik li a e t ap desann nan pati mòn ki kache a, gade byen, David avèk mesye pa li yo t ap desann vin jwenn li. Konsa, li te rankontre yo. \p \v 21 Alò, David te di: “Anverite, se an ven ke m t ap veye tout afè ke mesye sa a te genyen nan dezè a, pou l pa manke anyen nan sa ki te pou li yo! Konsa, li te \x + \xo 25:21 \xo*\xt Sòm 109:5\xt*\x*remèt mwen mal pou byen! \v 22 \x + \xo 25:22 \xo*\xt I Sam 3:17\xt*\x*Ke Bondye fè sa a lènmi a David yo e menm plis si avan maten rive, si m kite menm yon mal pami tout sa ki pou li yo!” \p \v 23 Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David \x + \xo 25:23 \xo*\xt I Sam 20:41\xt*\x*e te koube li menm jis atè. \v 24 Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an. \v 25 Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo. \v 26 Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e \x + \xo 25:26 \xo*\xt Eb 10:30\xt*\x*fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, \x + \xo 25:26 \xo*\xt II Sam 18:32\xt*\x*kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal. \v 27 Alò, kite \x + \xo 25:27 \xo*\xt Jen 33:11\xt*\x*kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo. \v 28 Souple, padone transgresyon a sèvant ou a. Paske SENYÈ a va vrèman fè pou mèt mwen yon kay k ap dire, akoz mèt mwen ap \x + \xo 25:28 \xo*\xt I Sam 18:17\xt*\x*mennen batay a SENYÈ a, e\x + \xo 25:28 \xo*\xt Sòm 7:3\xt*\x*mal p ap twouve bò kote ou pandan tout jou ou yo. \v 29 Si yon moun ta leve kont ou pou kouri dèyè ou e chache lavi ou, nan lè sa a, lavi ou, mèt mwen va mare nan pakèt ak sila ki viv pou SENYÈ yo, Bondye ou a. Men lavi a lènmi ou yo, Li va lanse deyò tankou wòch k ap sòti nan pòch a yon fistibal. \v 30 Epi lè SENYÈ a fè pou ou, mèt mwen, selon tout bonte ke Li te pale konsènan ou menm e chwazi ou kòm chèf sou Israël, \v 31 ke ka sila a p ap koze ni doulè ni kè twouble pou mèt mwen, akoz li te vèse san san koz e ke li te pran vanjans li. \x + \xo 25:31 \xo*\xt Jen 40:14\xt*\x*Lè SENYÈ a aji byen avèk ou mèt mwen, alò sonje sèvant ou an.” \p \v 32 Alò, David te di a Abigaïl: \x + \xo 25:32 \xo*\xt Sòm 41:13\xt*\x*“Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te voye ou jou sila a pou rankontre avè m! \v 33 Beni se sajès ou. Beni se ou menm \x + \xo 25:33 \xo*\xt I Sam 25:26\xt*\x*ki te kenbe m jou sa a pou m pa vèse san, e fè vanjans mwen menm avèk pwòp men m. \v 34 Sepandan, jan SENYÈ a, Bondye Israël la viv la, \x + \xo 25:34 \xo*\xt I Sam 25:26\xt*\x*ki te anpeche mwen fè ou mal, sof ke ou te parèt vit pou rankontre mwen, anverite, pa t ap gen ki rete pou Nabal nan limyè maten an tankou yon ki fè pipi sou mi la.” \p \v 35 Konsa David te resevwa nan men li sa ke li te pote pou li a. Epi li te di li: “Ale lakay ou anpè. Gade, mwen te koute ou e te \x + \xo 25:35 \xo*\xt Jen 19:21\xt*\x*bay ou demann pa ou a.” \p \v 36 Alò Abigaïl te vin kote Nabal. Epi vwala, li t ap fè \x + \xo 25:36 \xo*\xt II Sam 13:28\xt*\x*yon fèt lakay li a tankou fèt a yon wa. Kè Nabal te kontan anndan li, paske li te byen sou. Pou koz sa a, Abigaïl pa t di l anyen jis rive nan limyè maten. \v 37 Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch. \v 38 Anviwon di jou pita, \x + \xo 25:38 \xo*\xt I Sam 26:10\xt*\x*SENYÈ a te frape Nabal e li te mouri. \v 39 Lè David te tande ke Nabal te mouri, li te di: “Beni SENYÈ a, ki te plede kòz repwòch mwen nan men Nabal e ki te \x + \xo 25:39 \xo*\xt I Sam 26:10\xt*\x*kenbe sèvitè li a pou l pa fè mal. SENYÈ a anplis, te fè malfezans a Nabal retounen sou pwòp tèt li.” \p Alò, David te voye ofri Abigaïl pou l ta pran li kòm madanm li. \v 40 Lè sèvitè a David yo te parèt kote Abigaïl nan Carmel, yo te pale a li e te di: “David te voye nou kote ou pou pran ou kòm madanm li.” \p \v 41 Li te leve \x + \xo 25:41 \xo*\xt I Sam 25:33\xt*\x*e te bese jis figi li rive atè, e te di: “Gade byen sèvant pa ou se yon sèvant ki \x + \xo 25:41 \xo*\xt Mc 1:7\xt*\x*pou ta lave pye a sèvant pa li yo.” \v 42 Konsa, \x + \xo 25:42 \xo*\xt Jen 24:61-67\xt*\x*Abigaïl te leve vit pou te ale monte sou yon bourik, avèk senk sèvant li yo ki te okipe li. Li te swiv mesaje David yo e te devni madanm li. \v 43 David te anplis pran Achinoam a Jizreel e \x + \xo 25:43 \xo*\xt I Sam 27:3\xt*\x*yo toulède te devni madanm li. \p \v 44 Alò, Saül te deja bay fi li, \x + \xo 25:44 \xo*\xt I Sam 18:27\xt*\x*Mical, madanm a David, a Palti, fis a Laïsch ki te sòti Gallim. \c 26 \p \v 1 Zifyen yo te vin kote Saül nan Guibea. Yo te di l: \x + \xo 26:1 \xo*\xt I Sam 23:19\xt*\x*“Èske David pa kache nan ti mòn Hakila a, devan Jeschimon?” \v 2 Konsa, Saül te leve desann nan dezè Ziph la e te genyen avè l \x + \xo 26:2 \xo*\xt I Sam 13:2\xt*\x*twa-mil òm Israël, byen chwazi pou chache David nan dezè Ziph la. \v 3 Saül te fè kan nan ti mòn Hakila a, ki devan Jeschimon, akote wout la, e David te rete nan dezè a, lè \x + \xo 26:3 \xo*\xt I Sam 23:15\xt*\x*li te wè ke Saül te vini dèyè li nan dezè a. \v 4 Konsa, David te voye espyon yo deyò, e li te konnen san dout ke Saül t ap vini. \v 5 Pou sa, David te leve pou vini nan plas kote Saül te fè kan an. Epi David te wè plas kote Saül te kouche avèk \x + \xo 26:5 \xo*\xt I Sam 14:50-51\xt*\x*Abner, fis a Ner a, kòmandan lame li a. Saül te kouche nan mitan won kan an e pèp la te fè kan an antoure li. \p \v 6 Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak \x + \xo 26:6 \xo*\xt I Kwo 2:16\xt*\x*Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?” \p Abischaï te di: “M ap desann avè w.” \v 7 Konsa, David avèk Abischaï te pwoche kote pèp la nan lannwit. Epi vwala, Saül te kouche nan dòmi anndan won kan an avèk frenn li kole nan tè kote tèt li. Epi Abner avèk pèp la te kouche antoure li. \v 8 Alò, Abischaï te di a David: “Jodi a, Bondye gen tan livre lènmi ou an nan men ou. Pou sa, koulye a, kite mwen frape li avèk frenn nan rive jis atè ak yon sèl kou e mwen p ap frape li yon dezyèm fwa.” \p \v 9 Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske \x + \xo 26:9 \xo*\xt I Sam 24:6-7\xt*\x*se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?” \v 10 Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa \x + \xo 26:10 \xo*\xt I Sam 31:6\xt*\x*li va tonbe nan batay e peri. \v 11 \x + \xo 26:11 \xo*\xt Wo 12:17-19\xt*\x*SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.” \p \v 12 Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz \x + \xo 26:12 \xo*\xt Jen 2:21\xt*\x*yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo. \v 13 Konsa, David te travèse de lòt kote, e te kanpe sou tèt mòn nan a yon distans avèk yon gran espas antre yo. \v 14 David te rele tout moun yo ak Abner, fis a Ner a. Li te di: “Èske ou p ap reponn, Abner?” Alò, Abner te reponn: “Se kilès ou ye k ap rele wa a?” \p \v 15 Konsa, David te di a Abner: “Èske ou pa yon gason? Alò, se kilès ki tankou ou an Israël? Kòmsi, poukisa ou pa t veye mèt ou, wa a? Paske yon moun nan pèp la te vini detwi wa a, mèt ou a. \v 16 Bagay ke ou te fè a, pa bon! Jan SENYÈ a viv la, \x + \xo 26:16 \xo*\xt I Sam 20:31\xt*\x* fòk ou mouri! Paske ou pa t veye mèt ou, onksyone a SENYÈ a. Konsa, koulye a, gade kote frenn a wa a ye ak veso dlo ki te kote tèt li a.” \p \v 17 Saül te rekonèt vwa a David, e te di: \x + \xo 26:17 \xo*\xt I Sam 24:16\xt*\x*“Èske se vwa ou, fis mwen, David?” \p David te di: “Se vwa m, mèt mwen, wa a.” \v 18 Anplis li te di: \x + \xo 26:18 \xo*\xt I Sam 24:9-14\xt*\x*“Alò, poukisa mèt mwen ap kouri dèyè sèvitè li a? Paske kisa mwen te fè? Oswa ki mal ki nan men m? \v 19 Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men \x + \xo 26:19 \xo*\xt I Sam 24:9\xt*\x*si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske \x + \xo 26:19 \xo*\xt Jos 22:25-27\xt*\x*yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’ \v 20 Alò, pou sa, pa kite san mwen tonbe atè lwen prezans SENYÈ a, paske wa Israël la te vin parèt pou chache \x + \xo 26:20 \xo*\xt I Sam 24:1-4\xt*\x*yon sèl pis, tankou yon moun k ap fè lachas pentad nan mòn yo.” \p \v 21 Alò Saül te di: \x + \xo 26:21 \xo*\xt Egz 9:27\xt*\x*“Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.” \p \v 22 David te reponn: “Gade byen, men frenn a wa a! Alò kite youn nan jennonm yo travèse vin pran l. \v 23 \x + \xo 26:23 \xo*\xt Sòm 7:8\xt*\x*SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a. \v 24 Gade byen, jan lavi ou te gen \x + \xo 26:24 \xo*\xt I Sam 18:30\xt*\x*gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta \x + \xo 26:24 \xo*\xt Sòm 54:7\xt*\x*delivre mwen nan tout twoub.” \p \v 25 Epi Saül te di a David: \x + \xo 26:25 \xo*\xt I Sam 24:19\xt*\x*“Beni se ou menm, fis mwen, David. Ou va vin reyisi anpil e ou va vin genyen.” \p Konsa, David te fè wout li e Saül te retounen nan plas li. \c 27 \p \v 1 Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. \x + \xo 27:1 \xo*\xt I Sam 26:19\xt*\x*Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout teritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.” \v 2 Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la. \v 3 Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, \x + \xo 27:3 \xo*\xt II Sam 2:3\xt*\x*chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk \x + \xo 27:3 \xo*\xt I Sam 25:42,43\xt*\x*de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la. \v 4 Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò. \p \v 5 Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?” \v 6 Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, \x + \xo 27:6 \xo*\xt Jos 15:31\xt*\x*Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a. \v 7 Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te \x + \xo 27:7 \xo*\xt I Sam 29:3\xt*\x*1 nan, kat mwa. \p \v 8 Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti \x + \xo 27:8 \xo*\xt Egz 15:22\xt*\x*Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la. \v 9 David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te \x + \xo 27:9 \xo*\xt I Sam 15:3\xt*\x* pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch. \p \v 10 Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te \x + \xo 27:10 \xo*\xt I Sam 23:27\xt*\x*atake jodi a?” \p Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.” \v 11 David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’” \p \v 12 Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.” \c 28 \p \v 1 Alò, li te vin rive nan jou sa yo ke \x + \xo 28:1 \xo*\xt I Sam 29:1\xt*\x*Filisten yo te rasanble kan lame pa yo pou fè lagè, pou goumen kont Israël. Epi Akisch te di a David: “Konnen byensi ke ou va sòti avè m nan kan an, ou menm avèk mesye pa ou yo.” \p \v 2 David te di a Akisch: “Se bon, ou va vin konprann sa ke sèvitè ou kapab fè.” \p Akisch te reponn a David: “Se bon, mwen va fè ou gad pèsonèl mwen pou tout lavi ou.” \p \v 3 Nan lè sa a Samuel te fin mouri, tout Israël te deja kriye pou li e te antere l Ramah, pwòp vil pa li. Epi Saül te fin retire nan peyi a tout kalite moun sila ki te konn rele mò yo ak divinò yo. \p \v 4 Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa. \v 5 Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil. \v 6 Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk \x + \xo 28:6 \xo*\xt Egz 28:30\xt*\x*Orim, ni pa pwofèt yo. \v 7 Alò, Saül te pale sèvitè li yo: “Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay.” \p Sèvitè li yo te di li: “Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor.” \p \v 8 Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: \x + \xo 28:8 \xo*\xt És 8:19\xt*\x*“Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e \x + \xo 28:8 \xo*\xt Det 18:10-11\xt*\x*mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a.” \p \v 9 Men fanm nan te di li: “Gade byen, ou konnen \x + \xo 28:9 \xo*\xt I Sam 28:3\xt*\x*sa ke Saül te fè a, jan li te retire sila ki evoke mò avèk divinò nan peyi a. Alò poukisa w ap mete yon pèlen pou lavi mwen pou ou kab fè m mouri?” \p \v 10 Saul te fè ve a li ke: “Jan SENYÈ a viv la, p ap gen pinisyon k ap rive ou pou afè sila a.” \p \v 11 Alò, fanm nan te di: “Se kilès ke m ap fè monte pou ou a?” \p Epi li te di: “Mennen monte Samuel pou mwen.” \p \v 12 Lè fanm nan te wè Samuel, li te kriye fò avèk yon gwo vwa; epi fanm nan te pale avèk Saül e te di: “Poukisa ou te twonpe mwen? Paske se Saül ke ou ye.” \p \v 13 Wa a te di li: “Pa pè; men se kisa ou wè?” \p Epi fanm nan te di Saül: “Mwen wè yon èt diven k ap monte sòti sou latè.” \p \v 14 Li te di li: “Se ak kilès ke li sanble?” \p Epi li te di: “Yon granmoun k ap monte e li vlope nan yon manto.” Epi Saül te konnen ke se te Samuel. \x + \xo 28:14 \xo*\xt I Sam 24:8\xt*\x*Li te bese avèk figi li atè pou te rann omaj. \p \v 15 Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?” \p Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li \x + \xo 28:15 \xo*\xt I Sam 28:6\xt*\x*pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.” \p \v 16 Samuel te di: “Poukisa konsa ou vin mande mwen, akoz SENYÈ a te kite ou e te devni lènmi ou? \v 17 SENYÈ a gen tan fè selon \x + \xo 28:17 \xo*\xt I Sam 15:28\xt*\x*sa Li te pale nan mwen an. SENYÈ a fin chire wayòm nan soti nan men ou, e Li te bay li a vwazen ou an, a David menm. \v 18 Kòmsi \x + \xo 28:18 \xo*\xt I Sam 15:20-26\xt*\x*ou pa t obeyi SENYÈ a, e ou pa t fè gwo kòlè Li vin tonbe sou Amalek, konsa SENYÈ a te fè ou bagay sa a nan jou sa a. \v 19 Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen \x + \xo 28:19 \xo*\xt I Sam 31:2\xt*\x*ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!” \p \v 20 Alò, Saül, lapoula, te tonbe atè nèt. Li te plen laperèz akoz pawòl a Samuel yo. Ni pa t gen fòs nan li, paske li pa t manje manje nan tout jou sa a, ni nan nwit lan. \p \v 21 Fanm nan te rive bò kote Saül. Li te wè ke li te tèlman gen krent jiskaske li te sezi, e li te di li: “Gade byen, sèvant ou te obeyi a ou menm e mwen te pran lavi mwen nan men m pou te koute pawòl ke ou te pale mwen yo. \v 22 Koulye a, pou sa, souple koute vwa sèvant ou an e kite mwen mete yon mòso pen devan ou. Manje pou ou kapab gen fòs lè ou pran chemen an.” \p \v 23 Men li te refize. Li te di: \x + \xo 28:23 \xo*\xt I Wa 21:4\xt*\x*“Mwen p ap manje.” Men sèvitè li yo te ankouraje li e li te koute yo. Konsa, li te leve sou tè a pou te chita sou kabann nan. \v 24 Fanm nan te gen yon jenn bèf gra nan kay la. Byen vit li te kòche li, li te pran farin, li te frape l fè bòl, e li te kwit li fè pen san ledven. \v 25 Li te mennen li devan Saül avèk sèvitè li yo e yo te manje. Apre yo te leve sòti menm nwit lan. \c 29 \p \v 1 Alò, \x + \xo 29:1 \xo*\xt I Sam 28:1\xt*\x*Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la. \v 2 Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e \x + \xo 29:2 \xo*\xt I Sam 28:1-2\xt*\x*David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch. \p \v 3 Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?” \p Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?” \p \v 4 Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab \x + \xo 29:4 \xo*\xt I Sam 27:6\xt*\x*retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, \x + \xo 29:4 \xo*\xt I Sam 14:21\xt*\x*oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo? \v 5 Èske sa se pa David, \x + \xo 29:5 \xo*\xt I Sam 18:7\xt*\x*a sila yo te chante nan dans pa yo e di: \q1 ‘Saül te touye dè milye \q1 e David dè di-milye?’” \p \v 6 Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; \x + \xo 29:6 \xo*\xt I Sam 27:8-12\xt*\x*paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo. \v 7 Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.” \p \v 8 David te di a Akisch: \x + \xo 29:8 \xo*\xt I Sam 27:10-12\xt*\x*“Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?” \p \v 9 Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, \x + \xo 29:9 \xo*\xt I Sam 29:4\xt*\x*kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’ \v 10 Alò, pou sa, leve bonè nan maten \x + \xo 29:10 \xo*\xt I Kwo 12:19-22\xt*\x*avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.” \p \v 11 Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel. \c 30 \p \v 1 Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke \x + \xo 30:1 \xo*\xt I Sam 27:8-10\xt*\x*Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou \x + \xo 30:1 \xo*\xt I Sam 27:6-8\xt*\x*Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife. \v 2 Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, \x + \xo 30:2 \xo*\xt I Sam 27:11\xt*\x*san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo. \v 3 Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite. \v 4 Alò David avèk moun ki te avè l yo te \x + \xo 30:4 \xo*\xt Nonb 14:1\xt*\x*leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye. \v 5 Alò, \x + \xo 30:5 \xo*\xt I Sam 25:42-43\xt*\x*de madanm a David yo te pran an kaptivite, Achinoam, Jizreyelit la ak Abigaïl, vèv Nabal la, Kamelit la. \v 6 Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz \x + \xo 30:6 \xo*\xt Jn 8:59\xt*\x*moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men \x + \xo 30:6 \xo*\xt I Sam 23:16\xt*\x*David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a. \v 7 David te di a \x + \xo 30:7 \xo*\xt I Sam 22:20-23\xt*\x*Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.” \p Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David. \v 8 \x + \xo 30:8 \xo*\xt I Sam 23:2-4\xt*\x*David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?” \p Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.” \p \v 9 Konsa, David te ale, \x + \xo 30:9 \xo*\xt I Sam 27:2\xt*\x*li ansanm avèk sis-san mesye ki te avèk li yo. Yo te rive kote ravin Besor a, kote sila ki te kite dèyè yo te rete a. \v 10 Men David te kontinye pouswiv, li menm avèk kat-san mesye yo. Paske lòt \x + \xo 30:10 \xo*\xt I Sam 30:9-21\xt*\x*de-san nan yo ki te twò bouke pou travèse ravin Besor a, te rete. \v 11 Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè. \v 12 Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. \x + \xo 30:12 \xo*\xt Jij 15:19\xt*\x*Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit. \v 13 David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?” \p Li te di: “Mwen se yon jennonm ki sòti an Égypte, sèvitè a yon Amalekit. Mèt mwen te kite m dèyè lè m te tonbe malad twa jou pase. \v 14 Nou te fè yon atak nan \x + \xo 30:14 \xo*\xt So 2:5\xt*\x*Negev a Keretyen yo ak sou sa ki apatyen a Juda a ak nan \x + \xo 30:14 \xo*\xt Jos 14:13\xt*\x*Negev pou Caleb la; epi nou te brile Tsiklag avèk dife.” \p \v 15 Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?” \p Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.” \v 16 Lè li te mennen li desann, vwala, yo te gaye nan tout tè a, yo t ap manje, bwè e danse akoz \x + \xo 30:16 \xo*\xt I Sam 30:14\xt*\x*tout gran piyaj ke yo te pran nan peyi Filisten avèk peyi Juda yo. \v 17 David te fè masak sou yo \x + \xo 30:17 \xo*\xt I Sam 11:11\xt*\x*soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale. \v 18 Konsa, David te \x + \xo 30:18 \xo*\xt Jen 14:16\xt*\x*reprann tout sa ke Amalekit yo te pran yo, e te livre reprann de madanm li yo. \v 19 Men anyen ki te pou yo pa t manke, ni piti, ni gran, fis oswa fi, piyaj, oswa nenpòt sa ke yo te pran pou yo menm; \x + \xo 30:19 \xo*\xt I Sam 30:8\xt*\x*David te mennen tout retounen. \v 20 Konsa, David te vin kaptire tout mouton ak bèf ki te pouse devan lòt bèt yo, epi yo te di: \x + \xo 30:20 \xo*\xt I Sam 30:26-31\xt*\x*“Sa se piyaj a David.” \p \v 21 Lè \x + \xo 30:21 \xo*\xt I Sam 30:10\xt*\x*David te rive kote de-san mesye ki te twò bouke pou swiv David yo, sa yo ki te rete kote ravin Besor yo te parèt pou rankontre David avèk moun ki te avèk li yo. David te pwoche pèp la pou te salye yo. \v 22 Alò, tout mesye mechan yo avèk sanzave yo pami sila ki te ale avèk David yo te di: “Akoz yo pa t ale avèk nou, nou p ap bay yo anyen nan piyaj ke nou te reprann an, sof a chak mesye, madanm yo avèk pitit yo pou yo kapab mennen yo ale sòti.” \p \v 23 Alò, David te di: “Fòk nou pa fè sa, frè m yo, avèk sa ke SENYÈ a te bannou, ki te kenbe nou e livre nan men nou lame a ki te vini kont nou an. \v 24 Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske \x + \xo 30:24 \xo*\xt Nonb 31:27\xt*\x*jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.” \v 25 Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an. \p \v 26 Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a \x + \xo 30:26 \xo*\xt I Sam 18:17\xt*\x*lènmi a SENYÈ yo.” \v 27 Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo, \v 28 anplis, a sila ki te \x + \xo 30:28 \xo*\xt Jos 13:16\xt*\x*Aroër yo, a sila ki te Siphmoth yo ak sila ki te Eschthemoa yo, \v 29 epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan \x + \xo 30:29 \xo*\xt I Sam 27:10\xt*\x*vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan \x + \xo 30:29 \xo*\xt Jij 1:16\xt*\x*vil a Kenyen yo, \v 30 epi a sila ki te \x + \xo 30:30 \xo*\xt Nonb 14:45\xt*\x*Horma yo, a sila ki te Cor-Aschan yo ak sila ki te Athac yo, \v 31 epi a sila ki te \x + \xo 30:31 \xo*\xt Jos 14:13-15\xt*\x*Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye \x + \xo 30:31 \xo*\xt I Sam 23:22\xt*\x*rete yo. \c 31 \p \v 1 \x + \xo 31:1 \xo*\xt I Kwo 10:1-12\xt*\x*Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa. \v 2 Filisten yo te rive sou Saül avèk fis li yo. Konsa, yo te touye \x + \xo 31:2 \xo*\xt I Kwo 8:33\xt*\x*Jonathan avèk Abinadab, ak Malkishua, fis a Saül yo. \v 3 \x + \xo 31:3 \xo*\xt II Sam 1:6\xt*\x*Batay la te vire rèd kont Saül. Ekip tire flèch ak banza yo te rive sou li; epi li te gravman blese pa ekip banza yo. \v 4 Konsa, Saül te di a pòtè zam li an: “Rale nepe ou pou frennen m avè l; otreman, Filisten ensikonsi sila yo va vin frennen m nèt e fè spò avè m.” Men pòtè zam nan te refize, paske li te pè anpil. \x + \xo 31:4 \xo*\xt II Sam 1:6-10\xt*\x*Pou sa Saül te pran nepe li e te tonbe sou li. \v 5 Lè pòtè zam nan te wè ke Saül te mouri avèk twa fis li yo, li tou te tonbe sou nepe li pou te mouri avèk li. \v 6 Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a. \p \v 7 Lè mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te wè ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo. \v 8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa. \v 9 Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive \x + \xo 31:9 \xo*\xt Jij 16:23-24\xt*\x*lakay zidòl pa yo ak pèp yo a. \v 10 Yo te mete zam li yo nan tanp \x + \xo 31:10 \xo*\xt Jij 2:13\xt*\x*Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan nan. \v 11 Alò, lè moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te fè a Saül, \v 12 \x + \xo 31:12 \xo*\xt II Sam 2:4-7\xt*\x*tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan lan. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la. \v 13 Yo te pran zo yo e te \x + \xo 31:13 \xo*\xt II Sam 21:12-14\xt*\x*antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.