\id 1KI \ide UTF-8 \h I Wa Yo \toc1 I WA YO \toc2 I Wa Yo \toc3 I Wa \mt1 I WA YO \c 1 \p \v 1 Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt. \v 2 Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.” \v 3 Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout teritwa Israël la, yo te twouve Abischag, \x + \xo 1:3 \xo*\xt Jos 19:18 \xt*\x*Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a. \v 4 Fi a te byen bèl. Li te devni enfimyè a wa a pou te okipe li, men wa a pa t antre nan relasyon avèk li. \p \v 5 Alò, \x + \xo 1:5 \xo*\xt II Sam 3:4\xt*\x*Adonija, fis a Haggith la te vin vante tèt li. Li te di: “Mwen va devni wa.” Konsa, li te prepare pou li menm cha avèk chevalye avèk senkant òm pou te kouri devan l. \v 6 Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e \x + \xo 1:6 \xo*\xt II Sam 3:3-4\xt*\x*te ne apre Absalom. \v 7 Li te fè tèt a tèt ansanm avèk \x + \xo 1:7 \xo*\xt I Kwo 11:6\xt*\x*Joab, fis a Tseruja a, avèk \x + \xo 1:7 \xo*\xt I Sam 22:20-23\xt*\x*Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li. \v 8 Men \x + \xo 1:8 \xo*\xt I Kwo 16:39\xt*\x*Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, \x + \xo 1:8 \xo*\xt II Sam 12:1\xt*\x*Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija. \p \v 9 Adonija te fè sakrifis mouton avèk bèf ak bèt gra kote wòch a Zohéleth la, ki akote \x + \xo 1:9 \xo*\xt Jos 15:7\xt*\x* En-Rouguel. Li te envite tout frè li yo, fis a wa yo ak tout mesye pwisan Juda yo, sèvitè a wa yo. \v 10 Men li pa t envite Nathan, pwofèt la, Benaja, mesye vanyan yo, ni Salomon, frè l la. \p \v 11 Konsa Nathan te pale avèk \x + \xo 1:11 \xo*\xt II Sam 12:24\xt*\x*Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa? \v 12 Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen \x + \xo 1:12 \xo*\xt Pwov 15:22 \xt*\x*ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon. \v 13 Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: \x + \xo 1:13 \xo*\xt I Wa 1:30\xt*\x*“Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’ \v 14 Veye byen, pandan ou toujou la a ap pale avèk wa a, mwen va parèt pou konfime pawòl ou yo.” \p \v 15 Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, \x + \xo 1:15 \xo*\xt I Wa 1:1\xt*\x*wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a. \v 16 Bath-Schéba te bese kouche nèt atè devan wa a. Epi wa a te di: “Se kisa ke ou vle?” \p \v 17 Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: \x + \xo 1:17 \xo*\xt I Wa 1:13\xt*\x*Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.” \v 18 Alò, gade byen, se Adonija ki wa a. Epi koulye a, mèt mwen an, wa a, ou pa menm konnen. \v 19 \x + \xo 1:19 \xo*\xt I Wa 1:9\xt*\x*Li gen tan fè sakrifis bèf avèk bèt gra ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk Abiathar, prèt la, avèk Joab, chèf lame a, men li pa t envite Salomon, sèvitè ou a. \v 20 Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li. \v 21 Otreman, li va vin rive ke \x + \xo 1:21 \xo*\xt Det 31:16\xt*\x*depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.” \p \v 22 Epi gade, pandan li te toujou ap pale, Nathan, pwofèt la te vin antre. \v 23 Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.” \p Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè. \v 24 Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonaja va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’? \v 25 \x + \xo 1:25 \xo*\xt I Wa 1:9\xt*\x*Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la. Men vwala, y ap manje bwè devan li, epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’ \v 26 \x + \xo 1:26 \xo*\xt I Wa 1:8-10\xt*\x*Men mwen menm, sèvitè ou a, avèk Tsadok, prèt la ak Benaja, fis a Jehojada a, e sèvitè ou a, Salomon, li pa t envite nou. \v 27 Èske bagay sa a te fèt pa mèt mwen an, wa a? Èske ou pa t montre sèvitè ou yo kilès ki ta dwe chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li?” \p \v 28 Konsa, Wa David te reponn: “Rele Bath-Schéba vin kote m”. Li te parèt nan prezans a wa a e li te kanpe devan wa a. \v 29 Wa a te sèmante. Li te di: \x + \xo 1:29 \xo*\xt II Sam 4:9\xt*\x*“Jan SENYÈ a viv la, Li menm ki te peye ranson lavi mwen soti nan tout twoub, \v 30 anverite, jan \x + \xo 1:30 \xo*\xt I Wa 1:13-17\xt*\x*mwen te sèmante a ou menm pa SENYÈ a, Bondye a Israël la, e te di: ‘Fis ou a, Salomon va devni wa a apre mwen. Li va chita sou twòn mwen an nan plas mwen’. Mwen va, anverite, fè sa menm jodi a.” \p \v 31 Bath-Schéba te bese avèk figi li atè devan wa a. Li te di: \x + \xo 1:31 \xo*\xt Dan 2:4\xt*\x*“Ke mèt mwen an, Wa David, viv pou tout tan.” \p \v 32 Alò, Wa David te di: “Rele vin kote m \x + \xo 1:32 \xo*\xt I Wa 1:8\xt*\x*Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, ak Benaja, fis a Jehojada a.” Epi yo te vini nan prezans a wa a. \v 33 Wa a te di yo: “Pran avèk ou \x + \xo 1:33 \xo*\xt II Sam 20:6-7\xt*\x*sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon. \v 34 Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li la kòm wa sou Israël. \x + \xo 1:34 \xo*\xt II Sam 15:10\xt*\x*Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’ \v 35 Alò, ou va vin monte apre li. Li va vin chita sou twòn mwen an e li va vin wa nan plas mwen. Paske mwen te chwazi li pou renye sou Israël avèk Juda.” \p \v 36 Benaja, fis a Jehojada a te reponn wa a. Li te di: “Amen!” Kite se konsa ke SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, pale. \v 37 \x + \xo 1:37 \xo*\xt Jos 1:5-17\xt*\x*Jan SENYÈ a te avèk mèt mwen an, wa a, konsa ke li kapab avèk Salomon e fè twòn li an pi gran ke twòn a mèt mwen an, Wa David! \p \v 38 Konsa \x + \xo 1:38 \xo*\xt I Wa 1:8\xt*\x*Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, \x + \xo 1:38 \xo*\xt II Sam 8:16\xt*\x*Keretyen yo, Peletyen yo te desann. Yo te fè Salomon monte sou milèt a David la pou te mennen li kote Guihon. \v 39 Tsadok, prèt la, te \x + \xo 1:39 \xo*\xt Egz 30:23-32\xt*\x*pran kòn lwil la nan tant lan pou te \x + \xo 1:39 \xo*\xt I Kwo 29:22\xt*\x*onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!” \p \v 40 Tout pèp la te monte apre li. Pèp la t ap jwe flit, yo t ap rejwi avèk gran jwa, jiskaske tè a te vin souke avèk bwi ke yo t ap fè yo. \v 41 Alò, Adonaja avèk tout envite ki te avèk li yo te tande sa pandan yo te fin manje. Lè Joab te tande bwi a twonpèt la, li te di: “Poukisa gen zen lavil la konsa?” \p \v 42 Pandan li te toujou ap pale, men vwala, \x + \xo 1:42 \xo*\xt II Sam 15:27-36\xt*\x*Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonaja te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.” \p \v 43 Men Jonathan te reponn a Adonaja: “Non! Mèt nou, Wa David, te fè Salomon wa. \v 44 Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a. \v 45 Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa \x + \xo 1:45 \xo*\xt I Wa 1:40\xt*\x*jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a. \v 46 Anplis menm, \x + \xo 1:46 \xo*\xt I Kwo 29:23\xt*\x*Salomon te vin pran chèz li sou twòn wayòm nan. \v 47 Toujou, sèvitè a wa yo te vin beni mèt nou an, Wa David. Yo te di: ‘Ke \x + \xo 1:47 \xo*\xt I Wa 1:37\xt*\x*Bondye ou a kapab fè non a Salomon pi bon ke non ou, e twòn pa li a pi gran ke twòn pa w la!’ Epi \x + \xo 1:47 \xo*\xt Jen 47:31\xt*\x*wa a te bese sou kabann nan. \v 48 Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki \x + \xo 1:48 \xo*\xt II Sam 7:12\xt*\x*te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’” \p \v 49 Alò, tout envite a Adonija yo te ranpli avèk gwo laperèz. Yo te leve e yo chak te ale fè wout yo. \v 50 Konsa, Adonija te pè Salomon. Li te leve ale pou sezi kòn lotèl yo, e li te di: “Kite Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.” \v 51 Alò, yo te pale a Salomon. Yo te di: “Gade byen, Adonija pè Wa Salomon; paske tande byen, li te ale sezi kòn lotèl yo, e li t ap di: ‘Kite Wa Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.’” \p \v 52 Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, \x + \xo 1:52 \xo*\xt I Sam 14:45\xt*\x*nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.” \p \v 53 Konsa, Wa Salomon te voye mennen li desann soti nan lotèl la. Epi li te vin lonje kò l atè nèt devan Wa Salomon. Salomon te di li: “Ale lakay ou.” \c 2 \p \v 1 Lè \x + \xo 2:1 \xo*\xt Jen 47:29\xt*\x*tan pou David mouri an t ap pwoche, li te bay lòd a Salomon. Li te di: \v 2 \x + \xo 2:2 \xo*\xt Jos 23:14\xt*\x*“Mwen prale nan chemen a tout tè a. Pou sa, rete dyanm e montre ke se gason ou ye. \v 3 Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, \x + \xo 2:3 \xo*\xt Det 17:18-20\xt*\x*selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire. \v 4 Pou \x + \xo 2:4 \xo*\xt II Sam 7:25\xt*\x*SENYÈ a kapab akonpli pawòl ke li te pale konsènan mwen menm nan, lè l te di: ‘Si fis ou yo fè atansyon nan chemen pa yo, pou mache devan M nan verite avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo, ou p ap janm manke yon nonm pa ou sou twòn Israël la.’ \p \v 5 “Alò, ou konnen tou, sa ke Joab, fis a Tseruja a te fè m, sa ke li te fè a de chèf lame Israël yo, a \x + \xo 2:5 \xo*\xt I Wa 2:32\xt*\x*Abner, fis a Ner a ak \x + \xo 2:5 \xo*\xt II Sam 20:10 \xt*\x*Amasa, fis a Jéther a, ke li te touye. Anplis li te vèse san lagè nan tan lapè. Epi li te mete san lagè nan sentiwon senti li ak sou sandal nan pye li. \v 6 Pou sa, aji \x + \xo 2:6 \xo*\xt I Wa 2:9\xt*\x*konsa, selon sajès ou e pa kite cheve blanch li desann nan sejou lanmò yo anpè. \v 7 Men \x + \xo 2:7 \xo*\xt II Sam 19:31-38\xt*\x*montre ladousè a fis a Barzillaï yo, Galaadit la, e kite yo pami sila ki manje sou tab ou yo, paske yo te ede mwen lè m te sove ale kite Absalom, frè ou a. \p \v 8 “Veye byen, \x + \xo 2:8 \xo*\xt II Sam 16:5-8\xt*\x*genyen avè w\x + \xo 2:8 \xo*\xt II Sam 16:5-8\xt*\x*Schimeï, fis a Guéra a, Benjamit a Bachurim nan. Se te li menm ki te fè madichon sou mwen nan jou ke m te ale Mahanaïm nan. Men lè \x + \xo 2:8 \xo*\xt II Sam 19:18-23\xt*\x*li te desann bò kote m nan Jourdain an, mwen te sèmante a li menm pa SENYÈ a. Mwen te di: ‘Mwen p ap mete ou a lanmò avèk nepe.’ \v 9 Konsa, pou sa, pa kite li sòti san pini. \x + \xo 2:9 \xo*\xt I Wa 2:6\xt*\x*Paske ou se yon nonm saj. Ou va konnen sa ke ou ta dwe fè a li menm, epi ou va fè tèt cheve blanch li an desann nan sejou lanmò nan san.” \p \v 10 Konsa, \x + \xo 2:10 \xo*\xt Trav 2:29\xt*\x*David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la. \v 11 \x + \xo 2:11 \xo*\xt II Sam 5:4-5\xt*\x*Jou ke David te renye sou Israël yo te karant ane. Sèt ane, li te renye Hébron e trann-twa ane, li te renye Jérusalem. \v 12 Epi \x + \xo 2:12 \xo*\xt I Kwo 29:23\xt*\x*Salomon te chita sou twòn David la, papa li e wayòm li an te etabli byen solid. \p \v 13 Alò Adonija, fis a Haggith la, te vini a Bath-Schéba, manman a Salomon. Bath-Schéba te mande: \x + \xo 2:13 \xo*\xt I Sam 16:4\xt*\x*“Èske ou vini anpè?” \p Adonija te di, “Anpè.” \v 14 Epi li te di: “Mwen gen yon bagay pou mande ou.” \p Bath-Schéba te di: “Pale.” \p \v 15 Konsa li te di: “Ou konnen ke \x + \xo 2:15 \xo*\xt II Sam 3:3-4\xt*\x*wayòm nan te pou mwen e ke tout Israël te sipoze ke se mwen ki t ap wa. Sepandan, wayòm nan te chavire e li te vin devni pou frè m, paske depi nan SENYÈ a, se te pou li. \v 16 Alò, se yon sèl bagay ke m ta mande a ou menm; pa refize mwen.” \p Epi li te di li: “Pale.” \p \v 17 Alò, li te di: “Souple, pale avèk Salomon, wa a, paske li p ap refize ou, pou li kapab ban mwen \x + \xo 2:17 \xo*\xt I Wa 1:3-4\xt*\x*Abischag, Sinamit la, kòm madanm.” \p \v 18 Bath-Schéba te di li: “Trè byen; mwen va pale avèk wa a pou ou.” \p \v 19 Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te \x + \xo 2:19 \xo*\xt I Wa 15:1-3\xt*\x*fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e \x + \xo 2:19 \xo*\xt Sòm 45:9\xt*\x*li te chita bò kote men dwat li. \v 20 Alò, li te di: “Mwen ap fè yon sèl ti demann a ou menm; \x + \xo 2:20 \xo*\xt I Wa 2:16\xt*\x*pa refize mwen.” \p Epi wa a te di a li: “Mande manman m, paske mwen p ap refize ou.” \p \v 21 Konsa, li te di: \x + \xo 2:21 \xo*\xt I Wa 1:3-4\xt*\x*“Kite Abischag Sinamit lan, vin bay a Adonija, frè ou a, kòm madanm.” \p \v 22 Wa Salomon te reponn li, e te di a manman li: “Epi poukisa w ap mande Abischag, Sinamit lan pou Adonija? \x + \xo 2:22 \xo*\xt II Sam 12:8\xt*\x*Mande wayòm nan pou li tou—paske li se pi gran frè m— menm pou li, pou \x + \xo 2:22 \xo*\xt I Wa 1:7\xt*\x*Abiathar, prèt la ak pou Joab, fis a Tseruja a!” \v 23 Salomon te sèmante pa SENYÈ a e te di: “Ke Bondye kapab fè m sa e menm plis, si Adonija \x + \xo 2:23 \xo*\xt Rt 1:17\xt*\x*pa gen tan pale pawòl sa a kont pwòp vi pa li. \v 24 Koulye a, pou sa, jan SENYÈ a viv la, ki te etabli mwen, e ki te fè m chita sou twòn a David, papa m nan, \x + \xo 2:24 \xo*\xt II Sam 7:11-13\xt*\x*ki te fè pou mwen yon kay, jan Li te pwomèt mwen an, anverite Adonija ap mete a lanmò jodi a.” \p \v 25 Konsa, Salomon te \x + \xo 2:25 \xo*\xt II Sam 8:18\xt*\x*voye Benaja, fis a Jehojada a kote li. Li te tonbe sou li e li te mouri. \v 26 Epi a Abiathar, prèt la, wa a te di: “Ale nan Anathoth, pwòp chan pa ou a. Paske ou merite mouri, men mwen p ap mete ou a lanmò nan moman sa a, pwiske ou te pote lach la devan papa m, David, epi akoz ou te aflije avèk tout sa ke papa m te aflije yo.” \v 27 Konsa, Salomon te revoke Abiathar kòm prèt SENYÈ a, pou akonpli \x + \xo 2:27 \xo*\xt I Sam 2:27-36 \xt*\x*pawòl SENYÈ a te pale konsènan lakay Éli nan Silo. \p \v 28 Alò, nouvèl la te vini a Joab, \x + \xo 2:28 \xo*\xt I Wa 1:7\xt*\x*paske Joab te swiv Adonija, malgre li pa t swiv Absalom. Konsa, Joab te sove rive nan tant SENYÈ a e li te sezi kòn lotèl yo. \v 29 Li te pale a Wa Salomon ke Joab te sove ale nan tant SENYÈ a; epi men vwala, li akote lotèl la. Alò, Salomon te voye Benaja, fis a Jehojada a. Li te di: \x + \xo 2:29 \xo*\xt Egz 21:14\xt*\x*“Ale, tonbe sou li.” \p \v 30 Konsa, Benaja te rive nan tant SENYÈ a. Li te di li: “Konsa wa a te di: ‘Sòti deyò.’” \p Men li te di: “Non, paske mwen va mouri isit la.” \p Benaja te pote bay wa a yon pawòl ankò, e li te di: “Konsa Joab te pale e konsa li te reponn mwen.” \p \v 31 Wa a te di li: \x + \xo 2:31 \xo*\xt Egz 21:14\xt*\x*“Fè sa ke li te pale a. Tonbe sou li, e antere li, pou ou kapab fè sòti sou mwen ak sou lakay papa m san ke Joab te vèse san koz la. \v 32 SENYÈ a va fè san li retounen sou pwòp tèt li, akoz li te tonbe sou de mesye ki te pi dwat e pi bon ke li menm yo. Li te touye yo avèk nepe, pandan papa m, David pa t konnen: \x + \xo 2:32 \xo*\xt II Sam 3:27\xt*\x*Abner, fis a Ner a, chèf lame Israël la ak Amasa, fis a Jéther a, chèf lame a Juda. \v 33 Konsa, san yo va retounen sou tèt Joab avèk tèt desandan li yo pou tout tan. Men a David avèk desandan li yo, lakay li ak twòn li an, pou kapab gen lapè soti nan SENYÈ a pou tout tan.” \p \v 34 Epi \x + \xo 2:34 \xo*\xt I Wa 2:25\xt*\x*Benaja, fis a Jehojada a te monte tonbe sou Joab pou te mete li a lanmò. Li te antere bò lakay li a nan dezè a. \v 35 \x + \xo 2:35 \xo*\xt I Wa 4:4\xt*\x*Wa a te chwazi Benaja, fis a Jehojada a sou lame a nan plas li e wa a te chwazi Tsadok kòm prèt nan plas Abiathar. \p \v 36 Alò wa a te voye chache \x + \xo 2:36 \xo*\xt II Sam 16:5\xt*\x*Schimeï e te di li: “Bati pou ou menm yon kay Jérusalem, e rete la. Pa deplase sòti la pou ale nan okenn lòt plas. \v 37 Paske nan jou ke ou sòti \x + \xo 2:37 \xo*\xt II Sam 15:23\xt*\x*travèse dlo Cédron an, ou mèt konnen byensi ke anverite, ou va mouri. San ou va sou pwòp tèt pa ou.” \p \v 38 Alò, Schimeï te di a wa a: “Pawòl la bon. Jan mèt mwen an, wa a te pale a, se konsa sèvitè ou va fè.” Konsa, Schimeï te viv Jérusalem pandan anpil jou. \p \v 39 Men li te vin rive nan fen twazan yo, ke de sèvitè a Schimeï yo te chape rive jwenn \x + \xo 2:39 \xo*\xt I Sam 27:2 \xt*\x*Akisch, fis a Maaca a, wa Gath la. Epi yo te di Schimeï “Gade byen, sèvitè ou yo se nan Gath”. \p \v 40 Epi Schimeï te leve sele bourik li e li te ale Gath kote Akisch pou chache jwenn sèvitè li yo. Epi Schimeï te ale mennen sèvitè li yo retounen soti Gath. \v 41 Sa te pale a Salomon ke Schimeï te kite Jérusalem pou ale Gath e li te retounen. \p \v 42 Pou sa, wa a te voye rele Schimeï e te di li: “Èske mwen pa t fè ou sèmante pa SENYÈ a, e avèti ou solanèlman pou di ou ke: ‘Ou va konnen byensi nan jou ke ou sòti, ale nenpòt kote ke ou va, anverite, mouri’? Epi ou te di mwen: ‘Pawòl ke mwen tande a bon.’ \v 43 Poukisa konsa ou pa t swiv sèman bay SENYÈ a ak lòd ke m te mete sou ou a?” \v 44 Wa a te osi di a Schimeï: \x + \xo 2:44 \xo*\xt II Sam 16:5-13\xt*\x*“Ou konnen tout mal ke ou rekonèt nan kè ou, ke ou te fè a papa m, David. Akoz sa, SENYÈ a va remèt mal sa a sou pwòp tèt pa ou. \v 45 Men Wa Salomon va beni e \x + \xo 2:45 \xo*\xt II Sam 7:13\xt*\x*twòn David la va vin etabli devan SENYÈ a pou tout tan.” \v 46 \x + \xo 2:46 \xo*\xt I Wa 2:25-34\xt*\x*Epi wa a te kòmande Benaja, fis a Jehojada a. Li te sòti deyò e li te tonbe sou li e li te mouri. Se konsa wayòm nan te etabli nan men a Salomon. \c 3 \p \v 1 Apre, \x + \xo 3:1 \xo*\xt I Wa 9:16-24\xt*\x*Salomon te fè yon alyans maryaj avèk Égypte, li te pran fi Farawon an e li te mennen li nan vil David la jiskaske li te fin bati pwòp kay li, lakay SENYÈ a, ak mi ki te antoure Jérusalem nan. \v 2 Men\x + \xo 3:2 \xo*\xt Lev 17:3-5\xt*\x*pèp la te toujou ap fè sakrifis sou wo plas yo, akoz pa t gen kay la pou non SENYÈ a jis rive nan jou sa yo. \v 3 Alò, Salomon te renmen SENYÈ a. Li te \x + \xo 3:3 \xo*\xt I Wa 11:4-38\xt*\x*mache nan tout règleman papa li yo, David, sof ke li te fè sakrifis e li te brile lansan nan wo plas yo. \v 4 \x + \xo 3:4 \xo*\xt II Kwo 1:3\xt*\x*Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a. \v 5 Nan Gabaon, SENYÈ a te parèt a Salomon nan yon rèv pandan lannwit. Bondye te di: \x + \xo 3:5 \xo*\xt Jn 15:7\xt*\x*“Mande sa ou pito e m ap ba ou li.” \p \v 6 Salomon te di: \x + \xo 3:6 \xo*\xt II Sam 7:8-17\xt*\x*“Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, \x + \xo 3:6 \xo*\xt I Wa 9:4\xt*\x*selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a. \v 7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, \x + \xo 3:7 \xo*\xt I Kwo 22:9-13\xt*\x*Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. \v 8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. \v 9 Pou sa, \x + \xo 3:9 \xo*\xt II Kwo 1:10\xt*\x*bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?” \p \v 10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. \v 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou \x + \xo 3:11 \xo*\xt Jc 4:3\xt*\x*pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, \v 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, \x + \xo 3:12 \xo*\xt I Wa 4:29-31\xt*\x*Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou. \v 13 \x + \xo 3:13 \xo*\xt I Wa 4:21-24\xt*\x*Mwen te ba ou osi sa ke ou pa t mande, ni richès ni onè, jiskaske p ap gen okenn pami wa ki tankou ou pandan tout jou ou yo. \v 14 \x + \xo 3:14 \xo*\xt I Wa 3:6\xt*\x*Si ou mache nan chemen Mwen yo e kenbe règleman Mwen yo, tankou papa ou, David te mache a, alò, Mwen va \x + \xo 3:14 \xo*\xt Sòm 91:16\xt*\x*pwolonje jou ou yo.” \p \v 15 \x + \xo 3:15 \xo*\xt Jen 41:7\xt*\x*Salomon te vin leve e vwala, se yon rèv li te ye. Konsa, li te vini Jérusalem, e li te kanpe devan SENYÈ a, pou ofri ofrann brile ak ofrann lapè, e li te fè yon fèt pou tout sèvitè li yo. \p \v 16 Alò, de fanm ki te pwostitiye te parèt kote wa a, e yo te kanpe devan l. \v 17 Youn nan fanm yo te di: “O mèt mwen, fanm sila avèk mwen menm rete nan menm kay. Mwen te fè yon pitit pandan li te nan kay la. \v 18 Li te vin rive nan twazyèm jou ke m te fin akouche a, ke fanm sila a te fè yon pitit tou. Se te nou de sèl ansanm ke nou te ye. \v 19 Pitit a fanm sa a te mouri nan lannwit akoz li te kouche sou li. \v 20 Konsa, li te leve nan mitan nwit lan, e li te pran pitit gason mwen an soti kote mwen, pandan sèvant ou an t ap dòmi. Li te mete li sou sen li e li te mete pitit mouri an sou sen mwen. \v 21 Lè m te leve nan maten pou fè pitit la pran tete, men vwala, li te mouri. Men lè m te gade li byen nan maten, gade byen, se pa pitit mwen an ke m fenk fin akouche a li te ye.” \p \v 22 Alò, lòt fanm nan te di: “Non! Paske sila ki vivan an se fis mwen e sila ki mouri an se pitit pa w la.” Men premye fanm nan te di: “Non! Paske sila ki mouri an se fis pa w la e vivan an se pitit pa m nan.” Konsa, yo te pale devan wa a. \p \v 23 Konsa, wa a te di: “Youn di: ‘Sa se fis mwen k ap viv la e pitit pa w la se sila ki mouri an;’ epi lòt la di: ‘Non! Paske fis pa w la se sila ki mouri an e se pitit mwen an ki viv la.’” \p \v 24 Wa a te di: “Chache pou mwen yon nepe.” Epi yo te pote yon nepe devan wa a. \p \v 25 Wa a te di: “Divize pitit vivan an an de mòso; bay mwatye a youn e mwatye a lòt la.” \p \v 26 Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske \x + \xo 3:26 \xo*\xt Jr 31:20\xt*\x*li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.” \p Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!” \p \v 27 Alò, wa a te di: “Bay pitit vivan an a premye fanm nan e pa okenn mwayen, pa touye li. Se li ki manman l.” \p \v 28 Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske \x + \xo 3:28 \xo*\xt Dan 1:17\xt*\x*yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la. \c 4 \p \v 1 Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël. \v 2 Sila yo se te ofisye pa li yo: \x + \xo 4:2 \xo*\xt I Kwo 6:10\xt*\x*Azaria, fis a Tsadok a, prèt la; \v 3 Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; \x + \xo 4:3 \xo*\xt II Sam 8:16\xt*\x*Josaphat, fis a Achilud la, grefye; \v 4 epi \x + \xo 4:4 \xo*\xt I Wa 2:35\xt*\x*Benaja, fis a Jehojada a te sou lame a; epi Tsadok avèk Abiathar te prèt; \v 5 Azaria, fis a Nathan an te sou \x + \xo 4:5 \xo*\xt I Wa 4:7\xt*\x*depite yo; epi Zabud, fis a Nathan an, yon prèt, te zanmi a wa a; \v 6 epi Achischar te sou tout afè kay la; epi Adoniram, fis a Abda a te sou mesye travo fòse yo. \p \v 7 Salomon te gen douz depite sou tout Israël, ki te fè pwovizyon pou wa a avèk lakay li. Chak mesye yo te oblije bay pwovizyon yo pou yon mwa chak ane. \v 8 Sila yo se non pa yo: Ben-Hur, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. \v 9 Ben-Déker nan Makats, Saalbim avèk Beth-Schémesch ak Élon avèk Beth-Hannan. \v 10 Ben-Hésed nan Arubboth \x + \xo 4:10 \xo*\xt Jos 15:35\xt*\x*(Soco te pou li avèk tout teritwa Hépher); \v 11 Ben-Abinadab nan \x + \xo 4:11 \xo*\xt Jos 11:1-2 \xt*\x*wotè kote Dor a (Thaphath, fi a Salomon an te madanm li). \v 12 Baana, fis a Achilud la, nan \x + \xo 4:12 \xo*\xt Jij 5:19\xt*\x*Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean. \v 13 Ben-Guéber nan \x + \xo 4:13 \xo*\xt I Wa 22:3-15\xt*\x*Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li); \v 14 Achinadab, fis a Iddo a nan \x + \xo 4:14 \xo*\xt Jos 13:26\xt*\x*Mahanaïm; \v 15 \x + \xo 4:15 \xo*\xt II Sam 15:27\xt*\x*Achimaats, nan Nephtali. (Li osi te marye avèk Basmath, fi a Salomon an); \v 16 Banna, fis a \x + \xo 4:16 \xo*\xt II Sam 15:32\xt*\x*Huschaï a nan Aser avèk Bealoth; \v 17 Josaphat, fis a Parauch la nan Issacar; \v 18 \x + \xo 4:18 \xo*\xt I Wa 1:8\xt*\x*Schimeï, fis a Éla a, nan Benjamin; \v 19 Guéber, fis a Uri a, nan peyi Galaad la, \x + \xo 4:19 \xo*\xt Det 3:8-10\xt*\x*nan ansyen peyi a Sihon, wa Amoreyen yo ak Og, wa Basan an; epi li te sèl depite nan tout zòn sila a. \p \v 20 \x + \xo 4:20 \xo*\xt Jen 22:17\xt*\x*Juda avèk Israël te anpil tankou sab arebò lanmè an kantite; yo t ap manje, bwè, e rejwi. \v 21 Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. \x + \xo 4:21 \xo*\xt II Sam 8:2-6\xt*\x*Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo. \v 22 Pwovizyon pou Salomon pou yon sèl jou se te trant barik farin fen ak swasant barik farin, \v 23 dis bèf gra, ven bèf chan, san mouton anplis ke sèf, gazèl, chèvrèt mal ak tout kalite zwazo domestik gra. \v 24 Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, \x + \xo 4:24 \xo*\xt II Sam 8:2-6\xt*\x*sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi \x + \xo 4:24 \xo*\xt I Kwo 22:9\xt*\x*li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo. \v 25 \x + \xo 4:25 \xo*\xt Jr 23:6\xt*\x*Konsa, Juda avèk Israël te viv ansekirite, chak moun anba chan rezen pa yo avèk pye fig etranje pa yo, \x + \xo 4:25 \xo*\xt I Sam 3:20\xt*\x*soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, pandan tout jou a Salomon yo. \v 26 \x + \xo 4:26 \xo*\xt I Wa 10:26\xt*\x*Salomon te gen karant-mil kote kouvri pou cheval ki te rale cha yo ak douz-mil chevalye. \v 27 Depite yo te founi pou Wa Salomon avèk tout sila ki te vini sou tab a Wa Salomon yo, yo chak pandan mwa pa yo. Yo pa t kite li manke anyen. \v 28 Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk \x + \xo 4:28 \xo*\xt Est 8:10-14\xt*\x*pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo. \v 29 Alò, \x + \xo 4:29 \xo*\xt I Wa 3:12\xt*\x*Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè. \v 30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout \x + \xo 4:30 \xo*\xt Jen 29:1\xt*\x*fis a lès yo ak \x + \xo 4:30 \xo*\xt És 19:11\xt*\x*tout sajès an Égypte la. \v 31 Paske \x + \xo 4:31 \xo*\xt I Wa 3:12\xt*\x*li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo. \v 32 \x + \xo 4:32 \xo*\xt Ekl 12:9\xt*\x*Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk. \v 33 Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason. \v 34 Moun te \x + \xo 4:34 \xo*\xt I Wa 10:1 \xt*\x*vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a. \c 5 \p \v 1 Alò, Hiram, wa Tyr la, te voye sèvitè li yo kote Salomon lè li te tande ke yo te onksyone li wa nan plas a papa li, paske \x + \xo 5:1 \xo*\xt II Sam 5:11\xt*\x*Hiram te konn toujou zanmi David. \v 2 Epi \x + \xo 5:2 \xo*\xt II Sam 7:5\xt*\x*Salomon te voye kote Hiram pou di: \v 3 “Ou konnen ke David, papa m, pa t kapab bati yon kay pou non a SENYÈ a, akoz gè ki te antoure li yo, jiskaske SENYÈ a te mete yo anba pla pye li. \v 4 Men koulye a, \x + \xo 5:4 \xo*\xt I Wa 4:24\xt*\x*SENYÈ a te ban m repo tout kote. Nanpwen advèsè ni malè. \v 5 Gade byen, \x + \xo 5:5 \xo*\xt II Sam 7:12-13\xt*\x* “Mwen gen entansyon bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye mwen an, jan SENYÈ a te pale a David la, papa m nan, kon Li te di: ‘Fis ou a, ke mwen va mete sou twòn pa w la, nan plas ou a, li va bati kay la pou non Mwen.’ \v 6 Alò, pou sa, bay lòd pou yo koupe pou mwen \x + \xo 5:6 \xo*\xt II Kwo 2:8\xt*\x*sèd Liban e sèvitè mwen yo va la avèk sèvitè pa ou yo, epi mwen va ba ou salè pou sèvitè ou yo selon tout sa ke ou di. Paske ou konnen ke nanpwen pami nou ki konprann kijan pou koupe bwa tankou Sidonyen yo.” \p \v 7 Lè Hiram te tande pawòl a Salomon yo, li te rejwi anpil. Li te di: “Beni se SENYÈ a nan jou sila a, ki te bay a David yon fis ki saj sou gran pèp sa a.” \v 8 Konsa, Hiram te voye kote Salomon e te di: “Mwen te tande sa ke ou voye di mwen an. Mwen va fè sa ke ou vle de bwa sèd avèk pichpen an. \v 9 Sèvitè mwen yo va mennen yo desann soti Liban rive kote lanmè a. Mwen va mare yo ansanm pou fè yo rive pa lanmè \x + \xo 5:9 \xo*\xt II Kwo 2:16\xt*\x*nan plas kote ou dirije m nan. Nou va kase yo la pou moun ou yo kab pote yo ale. Alò, ou va akonpli volonte m e ou bay manje a tout lakay mwen.” \p \v 10 Konsa, Hiram te bay Salomon tout sa li te vle nan bwa sèd avèk pichpen yo. \v 11 \x + \xo 5:11 \xo*\xt II Kwo 2:10\xt*\x*Salomon te bay Hiram ven-mil barik nan ble a kòm manje pou lakay li ak ven barik nan lwil bat la. Konsa Salomon te bay Hiram ane pa ane. \v 12 \x + \xo 5:12 \xo*\xt I Wa 3:12\xt*\x*SENYÈ a te ba li sajès, jis jan ke Li te pwomèt li a. Epi te gen lapè antre Hiram avèk Salomon e yo de a te fè yon akò. \p \v 13 Alò, \x + \xo 5:13 \xo*\xt I Wa 4:6\xt*\x*Wa Salomon te fè kòve obligatwa soti nan tout Israël la. Kòve fòse yo te konte trant-mil moun. \v 14 Li te voye yo nan Liban, di-mil moun pa mwa, yon ekip apre lòt ak de mwa lakay. \x + \xo 5:14 \xo*\xt I Wa 4:6\xt*\x*Adoniram te chèf sou ouvriye kòve yo. \v 15 Alò, \x + \xo 5:15 \xo*\xt I Wa 9:20-22\xt*\x*Salomon te gen swasann-di-mil transpòtè ak katre-ven-mil ki t ap taye wòch nan mòn yo. \v 16 \x + \xo 5:16 \xo*\xt I Wa 9:23\xt*\x*Anplis, Salomon te gen twa-mil-twa-san depite an chèf ki te sou pwojè a. Yo te chèf dirijan sou moun ki t ap fè travay yo. \v 17 Alò, wa a te pase lòd pou yo te taye\x + \xo 5:17 \xo*\xt I Wa 6:7\xt*\x*gwo wòch yo, wòch chè pou poze fondasyon kay la ak wòch taye. \v 18 Konsa, moun Salomon ki t ap bati yo, moun Hiram ki t ap bati yo, epi \x + \xo 5:18 \xo*\xt Jos 13:5\xt*\x*Gibliyen yo t ap koupe yo e prepare bwa yo ansanm ak wòch yo pou bati kay la. \c 6 \p \v 1 \x + \xo 6:1 \xo*\xt II Kwo 3:1-2\xt*\x*Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a. \v 2 Selon kay ke Salomon te bati pou SENYÈ a, longè li te swasant koude, lajè li te ven koude e wotè li, trant koude. \v 3 Galeri pa devan antre kay la te ven koude nan longè, ki te koresponn avèk lajè kay la e pwofondè devan kay la te dis koude. \v 4 Osi pou kay la li te fè fenèt avèk ankadreman atizan yo. \v 5 Kont mi kay la, li te bati etaj won ki te antoure mi kay la nèt, ni pa devan, avèk \x + \xo 6:5 \xo*\xt I Wa 6:19-20\xt*\x*sanktyè enteryè a; konsa, li te fè chanm yo toupatou. \v 6 Etaj pi ba a te senk koude nan lajè, mitan an te sis koude nan lajè e twazyèm nan te sèt koude nan lajè. Paske pa deyò, li te fè retrè pou travès yo pa fonse antre nan miray kay la. \v 7 \x + \xo 6:7 \xo*\xt Egz 20:25\xt*\x*Kay la, pandan li t ap bati, te bati avèk wòch ki te taye kote yo te fè min wòch. Pa t gen mato, ni rach, ni okenn zouti an fè ki te konn tande nan kay la pandan li t ap bati. \v 8 Pòtay chanm akote piba a te sou kote dwat a kay la. Epi yo te konn monte pa eskalye ki te fè won pou rive nan etaj mitan an e soti nan mitan an a nan twazyèm nan. \v 9 Konsa, \x + \xo 6:9 \xo*\xt I Wa 6:14-38\xt*\x*li te bati kay la e te fin fè l. Li te kouvri kay la avèk travès ak planch sèd. \v 10 Li te bati anplis etaj ki te kont tout kay la, yo chak nan wotè a senk koude. Yo te tache nan kay la avèk bwa sèd. \p \v 11 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Salomon e te di: \v 12 “Kay sa a ke w ap bati a, \x + \xo 6:12 \xo*\xt II Sam 7:5-16\xt*\x*si ou va mache nan règleman Mwen yo, egzekite lòd Mwen yo, kenbe tout kòmandman Mwen yo e mache ladan yo, alò, mwen va fin konplete pawòl ke M te pale a David, papa ou a, avèk ou. \v 13 \x + \xo 6:13 \xo*\xt Egz 25:8\xt*\x*Mwen va vin viv pami fis Israël yo e Mwen \x + \xo 6:13 \xo*\xt Eb 13:5\xt*\x*p ap janm kite pèp mwen an, Israël.” \p \v 14 \x + \xo 6:14 \xo*\xt I Wa 6:9-38\xt*\x*Konsa, Salomon te bati kay la e te fini avèk li. \v 15 Li te \x + \xo 6:15 \xo*\xt I Wa 7:7\xt*\x*bati mi kay la pa anndan avèk planch sèd. Soti atè jis rive nan plafon an, li te kouvri mi anndan yo avèk bwa e li te kouvri tout atè kay la avèk planch bwa pichpen. \v 16 \x + \xo 6:16 \xo*\xt II Kwo 3:8\xt*\x*Li te bati ven koude nan kote dèyè kay la avèk planch sèd soti atè a jis rive nan plafon an. Li te bati yo pou li sou anndan kòm yon sanktyè enteryè, menm \x + \xo 6:16 \xo*\xt Eb 9:3\xt*\x*kote ki pi sen an. \v 17 Pa devan sanktyè tanp la te karant koude nan longè. \v 18 Te gen bwa sèd sou kay la anndan, taye \x + \xo 6:18 \xo*\xt I Wa 7:24\xt*\x*nan fòm a kalbas avèk flè ki louvri nèt. Tout te fèt an sèd. Pa t gen wòch ki te vizib. \v 19 Li te prepare yon sanktyè enteryè anndan kay la pou l te kab plase la, lach akò SENYÈ a. \v 20 Sanktyè enteryè a te ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak ven koude nan wotè. Li te kouvri li nèt avèk lò pi. Li te kouvri lotèl la avèk sèd. \v 21 Konsa, Salomon te kouvri anndan kay la avèk lò pi. Li te fè chenn an lò travèse pati devan nan sanktyè enteryè a, e li te kouvri li avèk lò. \v 22 Li te kouvri tout kay la avèk lò jiskaske tout kay la te fini. Osi, \x + \xo 6:22 \xo*\xt Egz 30:1-6\xt*\x*tout lotèl ki te akote sanktyè enteryè li a te kouvri avèk lò. \p \v 23 \x + \xo 6:23 \xo*\xt Egz 37:7-9\xt*\x*Nan sanktyè enteryè a, li te fè de cheriben ak bwa doliv, yo chak nan dis koude wotè. \v 24 Yon zèl nan cheriben an te senk koude e lòt la te senk koude. Soti nan pwent a yon zèl jis rive nan pwent a lòt zèl la se te dis koude. \v 25 Lòt cheriben an te dis koude. Toude cheriben yo te menm mezi avèk menm fòm. \v 26 Wotè a yon cheriben se te dis koude e lòt cheriben an te menm jan an. \v 27 Li te plase cheriben yo nan mitan kay enteryè a. \x + \xo 6:27 \xo*\xt Egz 25:20\xt*\x*Zèl a cheriben yo te lonje tou louvri, jiskaske zèl a youn te touche mi an, e zèl a lòt cheriben an te touche lòt mi an. Konsa, zèl a chak nan yo te touche zèl a lòt la nan mitan kay la. \v 28 Li te kouvri cheriben yo avèk lò. \p \v 29 Epi li te grave tout mi nan kay yo toupatou avèk cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo grave nan sanktyè enteryè ansanm ak eksteryè yo. \v 30 Li te kouvri planch atè yo avèk lò, nan sanktyè enteryè avèk eksteryè a. \v 31 Nan antre sanktyè enteryè a, li te fè pòt avèk bwa doliv, ankadreman chanbrann nan avèk poto pòtay yo an senk fas. \v 32 Konsa, li te fè de pòt avèk bwa doliv la e li te grave sou yo cheriben grave yo, pye palmis yo, avèk flè louvri yo. Li te kouvri yo avèk lò. Epi li te gaye lò a sou cheriben yo avèk pye palmis yo. \v 33 Anplis, li te fè poto yo an kat fas avèk bwa doliv la pou gran antre eksteryè a, \v 34 epi de pòt an bwa siprè; de mwatye a yon pòt ki vire sou pivo e de mwatye sou lòt pòt la te vire sou pivo. \v 35 Li te grave sou li cheriben yo, pye palmis ak flè louvri yo; epi li te kouvri yo avèk lò aplike nan menm fòs toupatou. \v 36 \x + \xo 6:36 \xo*\xt I Wa 7:12\xt*\x*Li te bati galeri enteryè a avèk twa ranje wòch taye ak yon ranje travès fèt an sèd. \p \v 37 Nan katriyèm ane a, nan mwa Ziv la, fondasyon kay SENYÈ a te fin poze. \v 38 Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane. \c 7 \p \v 1 Alò, \x + \xo 7:1 \xo*\xt I Wa 3:1\xt*\x*Salomon te bati pwòp kay pa li pandan trèz ane, e li te fini tout kay li a nèt. \v 2 \x + \xo 7:2 \xo*\xt I Wa 10:17-21\xt*\x*Li te bati kay la avèk materyo forè Liban an. Longè li te san koude, lajè li te senkant koude e wotè li te trant koude, sou kat ranje pilye yo fèt an sèd avèk travès sèd sou pilye yo. \v 3 Li te mete pano an sèd yo anwo chanm akote ki te sou karant-senk pilye yo, kenz nan chak ranje. \v 4 Te gen fenèt ki te dekore an twa ranje ak fenèt ki te opoze a fenèt yo an twa ranje. \v 5 Tout pòtay avèk poto pòt yo te gen ankadreman kare, byen dekore e fenèt yo te opoze a pòt yo an twa ranje. \v 6 Li te fè \x + \xo 7:6 \xo*\xt I Wa 7:12\xt*\x*galeri a avèk pilye yo. Longè li te senkant koude, lajè li te trant koude e yon galeri te devan yo avèk pilye avèk yon pòtay antre pa devan yo. \v 7 Li te fè \x + \xo 7:7 \xo*\xt Sòm 122:5\xt*\x*sal twòn kote li ta jije moun nan, sal jijman an, e atè a te kouvri avèk pano sèd soti nan yon bò pou rive nan lòt la. \v 8 Kay kote li t ap viv nan lòt lakou anndan an te fèt avèk menm kalite travay la. Li te osi fè yon kay tankou sal sila a pou fi a Farawon an, \x + \xo 7:8 \xo*\xt I Wa 3:1\xt*\x*avèk sila li te marye a. \v 9 Tout sa yo se te avèk wòch presye avèk wòch ki te koupe sou mezi, ki te siye avèk si, anndan kon deyò; menm soti nan fondasyon an jis rive anba twati yo e menm jan an, sou eksteryè a rive nan gran lakou a. \v 10 Fondasyon an te fèt avèk wòch presye, gwo wòch, wòch nan dis koude ak wòch nan uit koude. \v 11 Anwo se te wòch presye ki te koupe sou mezi, ansanm ak bwa sèd. \v 12 Konsa, \x + \xo 7:12 \xo*\xt I Wa 6:36\xt*\x*gran lakou toutotou a te gen twa ranje wòch koupe ak yon ranje travès sèd; menm jan avèk \x + \xo 7:12 \xo*\xt I Wa 7:16\xt*\x*lakou enteryè lakay SENYÈ a ak galri kay la. \p \v 13 Alò, \x + \xo 7:13 \xo*\xt II Kwo 2:13-14\xt*\x*Wa Salomon te voye mennen Hiram soti Tyr. \v 14 \x + \xo 7:14 \xo*\xt II Wa 2:14\xt*\x*Li te fis a yon vèv soti nan tribi Nephtali e papa li te yon moun Tyr, yon travayè nan bwonz. Li te ranpli avèk sajès avèk konprann ak kapasite pou fè nenpòt kalite èv an bwonz. Konsa li te vini a Wa Salomon pou te \x + \xo 7:14 \xo*\xt II Kwo 4:11-16\xt*\x*fè tout travay li yo. \v 15 Li te fòme \x + \xo 7:15 \xo*\xt II Wa 25:17\xt*\x*de pilye an bwonz yo, dizuit koude se te wotè a chak pilye e yon lign a douz koude te mezire distans antoure won a toude. \v 16 Li osi te fè de tèt kouvèti an bwonz fonn pou plase sou tèt a pilye yo. Wotè a yon tèt kouvèti te senk koude e wotè a lòt tèt kouvèti a te senk koude. \v 17 Te gen yon sistèm rezo fèt avèk chenn an fil tòde pou tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo: sèt pou yon tèt kouvèti e sèt pou lòt tèt kouvèti a. \v 18 Konsa, li te fè pilye yo: te gen de ranje antoure youn nan sistèm rezo yo pou kouvri tèt kouvèti ki te anwo grenad yo; epi se konsa li te fè pou lòt tèt kouvèti a. \v 19 Tèt kouvèti ki te sou tèt pilye nan galeri yo te fèt ak desen flè lis, nan lajè kat koude. \v 20 Te gen tèt kouvèti yo sou de pilye yo, antoure avèk de-san grenad an ranje won ki pa an wo a chak tèt kouvèti, toupre rezo a. Epi de-san grenad te ranje toutotou de toulède tèt kouvèti yo. \v 21 \x + \xo 7:21 \xo*\xt II Kwo 3:17\xt*\x*Konsa, li te ranje pilye yo sou galeri gran chanm nan. Epi li te monte pilye adwat la e li te rele li Jakin; li te monte pilye agoch la e li te rele li Boaz. \v 22 Sou tèt pilye yo se te yon desen flè lis. Se konsa èv pilye yo te fini. \p \v 23 \x + \xo 7:23 \xo*\xt II Kwo 4:2\xt*\x*Alò, li te fè fòm lanmè \x + \xo 7:23 \xo*\xt II Wa 16:17\xt*\x*fonde an metal dis koude soti nan yon bò a yon lòt, an fòm tou won e wotè li se te senk koude ak trant koude ki pou antoure l. \v 24 Anba bò li a, \x + \xo 7:24 \xo*\xt I Wa 6:18\xt*\x*kalbas yo te antoure li tou won, dis nan chak koude e te \x + \xo 7:24 \xo*\xt II Kwo 4:3\xt*\x*antoure lanmè a nèt. Kalbas yo te an de ranje, fonde ansanm avèk tout lòt bagay. \v 25 \x + \xo 7:25 \xo*\xt II Kwo 4:4-5\xt*\x*Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas vè nò, twa avèk fas vè lwès, twa avèk fas vè sid e twa avèk fas vè lès. Li te poze sou yo e tout pati dèyè yo te vè anndan. \v 26 Gwosè li te mezi a yon pla men pwès e arebò li te fèt tankou arebò a yon tas, tankou yon flè lis. Li te kab kenbe kantite volim a de mil bat. \p \v 27 Anplis, \x + \xo 7:27 \xo*\xt I Wa 7:38\xt*\x*li te fè dis baz yo an bwonz. Longè a chak baz te kat koude, lajè li se te kat koude e wotè li se te twa koude. \v 28 Sila a se te desen a baz yo: yo te gen arebò, menm arebò antre ankadreman travès yo. \v 29 Epi sou arebò ki te antre ankadreman yo, te gen lyon yo, bèf yo, avèk cheriben yo. Sou ankadreman yo, te gen yon etaj anlè e anba lyon yo avèk bèf yo, te gen zèv atizan kouwòn ki te pann. \v 30 Alò, chak baz te gen kat wou an bwonz avèk shaf an bwonz, kat pye li yo te gen soutyen yo. Anba basen an, te soutni sipò yo avèk gilann yo chak kote. \v 31 Ouvèti li anndan tèt kouvèti pa anwo baz la te yon koude e ouvèti li a te won tankou desen a yon etaj won, yon koude-edmi; epi osi nan ouvèti li a, te grave desen yo, arebò yo te kare, yo pa t won. \v 32 Kat wou yo te anba arebò yo e shaf a wou yo te sou baz la. Wotè a wou a te yon koude edmi. \v 33 Kalite travay a wou yo te tankou kalite travay a yon wou cha. Shaf pa yo, jant yo, reyon yo e mitan wo a tout te fonde. \v 34 Alò, te gen kat soutyen nan kat kwen a chak baz. Soutyen yo te yon pati nan baz la menm. \v 35 Anwo baz la te kanpe yon fòm fèt tou won, avèk wotè a yon mwatye koude. Sou tèt a baz la, soutyen pa li avèk arebò li yo te fèt tankou yon pati ladann. \v 36 Li te grave sou plat a soutyen li yo, sou arebò li yo, cheriben yo, lyon yo ak pye palmis yo selon espas disponib nan chak, avèk kouwòn yo toutotou li. \v 37 \x + \xo 7:37 \xo*\xt II Kwo 4:14\xt*\x*Li te fè dis baz yo konsa: yo tout te fonde menm jan; yon sèl mezi ak yon sèl fòm. \v 38 \x + \xo 7:38 \xo*\xt Egz 30:18\xt*\x*Li te fè dis basen yo an bwonz, yon basen te kenbe karant bat 880 lit; chak basen te kat koude e nan chak nan dis baz yo, te gen yon basen. \v 39 Li te poze baz yo, senk sou kote dwat a kay la e senk sou kote goch a kay la. Li te poze lanmè an metal fonn nan sou kote dwat a kay la vè lès la, vè sid. \p \v 40 Alò Hiram te fè basen sa yo, ansanm ak pèl ak bòl yo. Konsa, Hiram te fin fè tout èv ke li te fè pou Salomon lakay SENYÈ a: \v 41 de pilye yo, de bòl pou tèt kouvèti ki te poze sou \x + \xo 7:41 \xo*\xt I Wa 7:17-18\xt*\x*de pilye yo ak de sistèm rezo pou kouvri de bòl tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo. \v 42 Anplis, li te mete \x + \xo 7:42 \xo*\xt I Wa 7:20\xt*\x*kat-san grenad pou de sistèm rezo yo, de ranje grenad pou chak sistèm rezo, pou kouvri de tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo; \v 43 dis baz avèk dis basen yo sou baz yo; \v 44 \x + \xo 7:44 \xo*\xt I Wa 7:23-25\xt*\x*yon sèl lanmè ak douz bèf anba lanmè a; \v 45 \x + \xo 7:45 \xo*\xt Egz 27:3\xt*\x*bokit yo avèk pèl yo ak tèt kouvèti yo. Menm tout zouti sila yo ke Hiram te fè pou Wa Salomon nan kay SENYÈ a te fèt avèk bwonz poli. \v 46 \x + \xo 7:46 \xo*\xt II Kwo 4:17\xt*\x*Nan plèn Jourdain an, wa a te fonn yo, nan tè ajil la antre Succoth ak Tsarthan. \v 47 Salomon te kite tout veso yo san peze, paske yo te twòp. \x + \xo 7:47 \xo*\xt I Kwo 22:3-14\xt*\x*Pwa a bwonz lan pa t kab detèmine. \p \v 48 Salomon te fè tout mèb ki te lakay SENYÈ a: \x + \xo 7:48 \xo*\xt Egz 37:10-29\xt*\x* lotèl an lò, tab an lò, sou sila \x + \xo 7:48 \xo*\xt Egz 25:30\xt*\x*pen a Prezans lan te ye a; \v 49 chandelye yo, senk adwat e senk agoch, pa devan nan sanktyè enteryè a, avèk lò pi; epi flè yo avèk lanp yo avèk pensèt yo, tout te an lò. \v 50 Epi tas yo avèk etoufè yo, bòl yo avèk kiyè yo ak \x + \xo 7:50 \xo*\xt Egz 27:3\xt*\x*plato an lò pi pou resevwa sann yo; epi chanyè pou toulède pòt kay enteryè yo, lye pi sen pase tout kote a, ak chanyè pou pòt kay la, sa vle di, gran sanktyè a, te an lò. \p \v 51 Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi \x + \xo 7:51 \xo*\xt II Sam 8:11\xt*\x*Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a. \c 8 \p \v 1 Alò, Salomon te rasanble ansyen Israël yo avèk tout tèt a tribi yo, chèf a fanmi zansèt a fis Israël yo, kote Wa Salomon Jérusalem, pou mennen fè monte\x + \xo 8:1 \xo*\xt II Kwo 5:2-10\xt*\x*lach akò SENYÈ a soti nan lavil David ki Sion an. \v 2 Tout mesye Israël yo te rasanble yo menm kote ak Wa Salomon nan \x + \xo 8:2 \xo*\xt Lev 23:34\xt*\x*fèt la nan mwa Éthanim nan, ki se setyèm mwa a. \v 3 Tout ansyen Israël yo te vini, e \x + \xo 8:3 \xo*\xt Det 31:9\xt*\x*prèt yo te leve pran lach la. \v 4 Yo te mennen fè monte lach SENYÈ a, \x + \xo 8:4 \xo*\xt I Wa 3:4\xt*\x*tant asanble a, avèk tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt yo avèk Levit yo te mennen fè yo monte. \v 5 Wa Salomon avèk tout kongregasyon Israël la, ki te rasanble vè li, \x + \xo 8:5 \xo*\xt II Sam 6:13\xt*\x*te avèk li devan lach la. Yo t ap fè sakrifis a yon tèlman gran kantite mouton avèk bèf ke yo pa t kab konte ni kontwole. \v 6 Prèt yo te mennen lach akò SENYÈ a \x + \xo 8:6 \xo*\xt I Wa 6:19\xt*\x*nan plas li. Yo te mete l nan sanktyè enteryè a kay la, nan plas ki sen pase tout lòt yo a, \x + \xo 8:6 \xo*\xt I Wa 6:27\xt*\x*anba zèl a cheriben yo. \v 7 Cheriben yo te lonje zèl pa yo anwo plas lach la e yo te sèvi kon yon kouvèti sou lach la avèk poto li yo soti anwo. \v 8 Men \x + \xo 8:8 \xo*\xt Egz 25:13-15\xt*\x*poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a. \v 9 \x + \xo 8:9 \xo*\xt Det 10:2-5\xt*\x*Pa t gen anyen nan lach la sof ke de tablo wòch ke Moïse te mete la nan Horeb yo, kote SENYÈ a te fè yon akò avèk fis Israël yo, lè yo te sòti nan peyi Égypte la. \v 10 Li te fèt ke lè prèt yo te sòti nan lye sen an ke \x + \xo 8:10 \xo*\xt Egz 40:34-35\xt*\x*nwaj la te ranpli kay SENYÈ a, \v 11 jiskaske prèt yo pa t kab fè sèvis akoz nwaj la. Paske glwa SENYÈ a te ranpli kay SENYÈ a. \p \v 12 \x + \xo 8:12 \xo*\xt II Kwo 6:1\xt*\x*Alò, Salomon te di: “SENYÈ a te di ke Li ta abite nan nwaj pwès. \v 13 \x + \xo 8:13 \xo*\xt II Sam 7:13\xt*\x*Mwen te vrèman bati pou Ou yon kay byen wo, yon plas pou Ou ta abite jis pou tout tan.” \p \v 14 Konsa, wa a te vire tounen e te \x + \xo 8:14 \xo*\xt II Sam 6:18\xt*\x*beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe. \v 15 Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, \x + \xo 8:15 \xo*\xt II Sam 7:12-13 \xt*\x*ki te pale avèk bouch li a papa m David, e ki te akonpli sa avèk men l, e ki te di: \v 16 \x + \xo 8:16 \xo*\xt II Sam 7:4-5\xt*\x*‘Depi jou ke M te fè pèp Mwen an, Israël, sòti an Égypte, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou M ta bati yon kay pou non Mwen ta kapab la; men mwen te chwazi David pou renye sou pèp Mwen an, Israël.’ \p \v 17 \x + \xo 8:17 \xo*\xt II Sam 7:2-3\xt*\x*“Alò, sa te nan kè papa m, David pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. \v 18 Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati yon kay pou non Mwen, ou te fè byen, paske se te nan kè ou. \v 19 \x + \xo 8:19 \xo*\xt II Sam 7:5-13\xt*\x*Sepandan, ou p ap bati kay la, men fis ou ki va fèt a ou menm nan, li va bati kay la pou non Mwen.’ \v 20 Alò, SENYÈ a te fin akonpli pawòl ke Li te pale a. Paske \x + \xo 8:20 \xo*\xt I Kwo 28:5-6\xt*\x*mwen te leve nan plas papa m, David. Mwen chita sou twòn Israël la, jan SENYÈ a te pwomèt la, e mwen te bati kay la pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. \v 21 La mwen te poze yon plas pou lach la, \x + \xo 8:21 \xo*\xt Det 31:26\xt*\x*nan sila akò a ke SENYÈ a te fè avèk zansèt nou yo lè Li te mennen yo soti nan peyi Égypte la.” \p \v 22 \x + \xo 8:22 \xo*\xt I Wa 8:54\xt*\x*Salomon te kanpe devan lotèl SENYÈ a nan prezans a tout asanble Israël la, e te lonje ouvri men li vè syèl la. \v 23 Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, \x + \xo 8:23 \xo*\xt I Sam 2:2\xt*\x*nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, \x + \xo 8:23 \xo*\xt Det 7:9\xt*\x*k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo, \v 24 ki te kenbe avèk sèvitè Ou, papa m, David, sa ke Ou te pwomèt li a. Anverite Ou te pale avèk bouch Ou e Ou te akonpli li avèk men Ou, jan sa ye nan jou sila a. \v 25 Alò, pou sa, O SENYÈ, Bondye Israël la, kenbe avèk sèvitè Ou a, David, papa m, sa ke Ou te pwomèt li a lè Ou te di: \x + \xo 8:25 \xo*\xt I Wa 2:4\xt*\x*‘Ou p ap manke yon nonm pou chita sou twòn Israël la, si sèlman fis ou yo veye chemen yo, pou mache devan Mwen menm jan ke ou te mache a.’ \p \v 26 “Koulye a, pou sa, O Bondye Israël la, kite pawòl Ou, mwen priye, vin konfime \x + \xo 8:26 \xo*\xt II Sam 7:25\xt*\x*ke Ou te pale a sèvitè Ou a, papa m, David. \v 27 Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, \x + \xo 8:27 \xo*\xt Sòm 139:7-16\xt*\x*syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a! \v 28 Sepandan, gade lapriyè sèvitè Ou a, avèk siplikasyon pa li, O SENYÈ, Bondye mwen, pou koute kri ak lapriyè ke sèvitè Ou a fè devan Ou jodi a; \v 29 \x + \xo 8:29 \xo*\xt II Kwo 7:15\xt*\x*pou zye Ou ta rete louvri vè kay sila a lajounen kon lannwit, vè plas kote Ou te di: ‘Non Mwen va rete la,’ pou koute lapriyè ke sèvitè ou a va fè vè plas sa a. \v 30 \x + \xo 8:30 \xo*\xt Né 6:1\xt*\x*Koute siplikasyon a sèvitè Ou, e a pèp Ou a, Israël \x + \xo 8:30 \xo*\xt Dan 6:10\xt*\x*lè yo priye vè plas sila a. Koute nan syèl la, kote Ou abite a; e lè Ou koute, padone. \p \v 31 \x + \xo 8:31 \xo*\xt Egz 22:8-11\xt*\x*“Si yon nonm peche kont vwazen li, e si li oblije fè yon ve, si li vin fè ve a devan lotèl Ou, nan kay sila a, \v 32 alò, tande nan syèl la e pran desizyon pou jije sèvitè Ou yo; \x + \xo 8:32 \xo*\xt Det 25:1\xt*\x*kondane mechan an, fè chemen pa li a vin sou pwòp tèt li. Epi fè jistis vini sou sila ki dwat la, lè Ou ba li selon ladwati li. \p \v 33 “Lè pèp Ou a, Israël fin bat devan yon lènmi, akoz yo te peche kont Ou, \x + \xo 8:33 \xo*\xt Lev 26:40-42\xt*\x*si yo vire vè Ou ankò pou konfese non Ou, priye e fè siplikasyon vè Ou nan kay sa a, \v 34 alò, tande nan syèl la, e padone peche a pèp Ou a Israël, e mennen yo retounen nan peyi ke Ou te bay zansèt yo. \p \v 35 \x + \xo 8:35 \xo*\xt Det 11:16-17\xt*\x*“Lè syèl yo fèmen e nanpwen lapli, akoz yo te peche kont Ou, si yo priye vè plas sila a, konfese non Ou, e vire kite peche pa yo lè Ou aflije yo, \v 36 alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo, e a pèp Ou a, Israël. \x + \xo 8:36 \xo*\xt Sòm 5:8\xt*\x*Anverite, enstwi yo nan bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, e voye lapli sou peyi ke Ou te bay a pèp Ou a, ke Ou te bay yo a kòm eritaj la. \p \v 37 \x + \xo 8:37 \xo*\xt Lev 26:16-26\xt*\x*“Si gen gwo grangou nan peyi a, si gen toumant, si gen gwo maladi sou jaden oswa bèt, oswa wouy, epidemi nan youn nan espès krikèt volan yo, si lènmi pa yo fè syèj sou yo nan peyi vil pa yo, nenpòt kalite toumant, nenpòt gwo maladi, \v 38 nenpòt lapriyè oswa siplikasyon ki fèt pa nenpòt moun, oswa pa tout pèp Israël yo, chak moun ki konnen afliksyon nan pwòp kè pa li, e ki leve men l ouvri vè kay sila a; \v 39 alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, \x + \xo 8:39 \xo*\xt I Sam 2:3\xt*\x*kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo; \v 40 pou yo kapab gen lakrent Ou tout jou ke yo viv nan peyi ke Ou te bay a zansèt nou yo. \p \v 41 “Anplis, konsènan etranje ki pa apatyen a pèp Israël Ou a, lè li sòti nan yon peyi lwen pou koz non Ou, \v 42 (paske yo va tande afè gran non Ou, ak \x + \xo 8:42 \xo*\xt Egz 13:3\xt*\x*men pwisan Ou, ak bra louvri Ou), pou lè l vini fè lapriyè vè kay sila a, \v 43 tande nan syèl la, kote ou abite a e fè tout sa ke etranje a mande Ou fè, jis pou \x + \xo 8:43 \xo*\xt Jos 4:23-24\xt*\x*tout pèp sou tout latè yo kapab konnen non Ou, pou gen lakrent Ou, tankou pèp Ou a Israël, pou yo kapab konnen ke kay sila a, mwen te bati a, rele pa non pa Ou. \p \v 44 “Lè pèp Ou a sòti nan batay kont lènmi yo, nan nenpòt chemen Ou ta voye yo, e \x + \xo 8:44 \xo*\xt II Kwo 14:11\xt*\x*yo priye a SENYÈ nan direksyon vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou a, \v 45 alò, tande nan syèl la lapriyè yo, ak siplikasyon yo, e bay soutyen a ka pa yo. \v 46 Lè yo peche kont Ou (pwiske \x + \xo 8:46 \xo*\xt Wo 3:23\xt*\x*nanpwen moun ki pa peche), Ou vin fache avèk yo, e Ou livre yo bay lènmi an pou fè yo sòti kaptif nan peyi a lènmi an, kit lwen, kit pre; \v 47 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen kaptif la, yo vin repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi a sila ki te pran yo kaptif la, e di: \x + \xo 8:47 \xo*\xt Esd 9:6-7\xt*\x*‘Nou te peche e te fè inikite, nou te aji mal;’ \v 48 \x + \xo 8:48 \xo*\xt Det 4:29\xt*\x*si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo e avèk tout nanm yo nan peyi a lènmi ki te mennen yo kaptif yo, yo priye a Ou menm, vè peyi ke Ou te bay a zansèt yo, vil ke Ou te chwazi a, ak kay ke mwen te bati pou non Ou an; \v 49 alò, tande priyè yo, avèk siplikasyon yo, nan syèl la, plas kote Ou rete a e bay soutyen a koz pa yo, \v 50 epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou an ak tout transgresyon ke yo te fè kont Ou yo, e \x + \xo 8:50 \xo*\xt Sòm 106:46\xt*\x*bay yo mizerikòd devan sila ki te fè yo kaptif yo, pou yo gen konpasyon pou yo. \v 51 (Pwiske se pèp Ou yo ye, e eritaj ke Ou te mennen sòti an Égypte la, ki te \x + \xo 8:51 \xo*\xt Det 4:20\xt*\x*soti nan mitan founo fè a). \v 52 \x + \xo 8:52 \xo*\xt I Wa 8:29\xt*\x*Pou zye Ou kapab louvri a siplikasyon a sèvitè Ou, e a siplikasyon a pèp Ou a, Israël, pou koute yo nenpòt lè ke yo rele Ou. \v 53 Paske Ou te mete yo apa de tout lòt pèp sou latè kòm eritaj Ou, \x + \xo 8:53 \xo*\xt Egz 19:5-6\xt*\x*jan Ou te pale pa Moïse, sèvitè Ou a, pandan Ou te mennen zansèt pa nou yo sòti an Égypte, O Senyè, BONDYE.” \p \v 54 \x + \xo 8:54 \xo*\xt II Kwo 7:1\xt*\x*Lè Salomon te fin priye tout priyè sila a, li te leve soti devan lotèl a SENYÈ a, soti sou jenou li avèk men li louvri anvè syèl la. \v 55 Li te kanpe e te \x + \xo 8:55 \xo*\xt Nonb 6:23-26\xt*\x*beni tout asanble Israël la avèk yon gwo vwa. Li te di: \v 56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, \x + \xo 8:56 \xo*\xt Det 12:10\xt*\x*selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a. \v 57 Ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk nou, jan Li te ye avèk zansèt nou yo. Ke Li pa janm kite nou ni abandone nou, \v 58 pou \x + \xo 8:58 \xo*\xt Sòm 119:36\xt*\x*Li kapab atire kè nou vè Li menm, pou mache nan tout vwa Li yo e pou kenbe kòmandman Li yo avèk règleman Li yo avèk òdonans Li yo, ke Li te kòmande a zansèt nou yo. \v 59 Epi ke pawòl pa m sa yo, avèk sila mwen te fè siplikasyon devan SENYÈ a, kapab toupre SENYÈ a, Bondye pa nou an, lajounen kon lannwit, pou Li kapab bay soutyen a koz pèp Li a, Israël, jan chak jou mande a, \v 60 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke SENYÈ a se Bondye; ke nanpwen okenn lòt. \p \v 61 “Pou sa, kite kè nou vin dedye nèt a SENYÈ a, pou mache nan règleman Li yo, kenbe kòmandman Li, menm jan sa ye nan jou sila a.” \p \v 62 \x + \xo 8:62 \xo*\xt II Kwo 7:4-10\xt*\x*Alò, wa a ak tout Israël avèk li te ofri sakrifis yo devan SENYÈ a. \v 63 Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. \x + \xo 8:63 \xo*\xt Esd 6:15-18\xt*\x*Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a. \v 64 Nan menm jou sa a, wa a te konsakre lakou mitan ki te devan kay SENYÈ a, akoz se la li te ofri ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, e grès a ofrann lapè yo. Paske \x + \xo 8:64 \xo*\xt II Kwo 4:1\xt*\x*lotèl bwonz ki te devan SENYÈ a te twò piti pou kenbe ofrann brile avèk ofrann sereyal yo, avèk grès a ofrann lapè yo. \p \v 65 Konsa, Salomon te obsève fèt la nan lè sa a, e tout Israël avèk li, yon gran asanble \x + \xo 8:65 \xo*\xt Nonb 34:8\xt*\x*soti nan antre Hamath jis rive nan \x + \xo 8:65 \xo*\xt Jos 13:3\xt*\x*ti kouran dlo Égypte la, devan SENYÈ a Bondye nou an, pandan sèt jou e avèk sèt jou anplis, katòz jou nèt. \v 66 Nan uityèm jou a, li te voye pèp la ale, e yo te beni wa a. Epi yo te ale nan tant pa yo ranpli avèk jwa, kontan nan kè pou tout bonte ke SENYÈ a te montre a David, sèvitè li, e a Israël, pèp Li a. \c 9 \p \v 1 \x + \xo 9:1 \xo*\xt II Kwo 7:11\xt*\x*Alò, li te vin rive ke lè Salomon te fin bati kay SENYÈ a, ak kay wa a ak tout sa ke Salomon te vle fè, \v 2 \x + \xo 9:2 \xo*\xt I Wa 3:5\xt*\x*SENYÈ a te parèt a Salomon yon dezyèm fwa, jan Li te parèt kote li nan Gabaon an. \v 3 SENYÈ a te di li: \x + \xo 9:3 \xo*\xt Sòm 10:17\xt*\x*“Mwen fin tande priyè ou ak siplikasyon ke ou te fè devan M nan. Mwen te konsakre kay sa a ke ou te bati nan mete non Mwen la pou tout tan. Zye Mwen avèk kè Mwen va la pou tout tan ale nèt. \v 4 E selon ou menm, \x + \xo 9:4 \xo*\xt II Wa 20:3\xt*\x*si ou va mache devan Mwen tankou papa ou, David te mache a, nan entegrite a kè ou, avèk ladwati, e fè selon tout sa ke M te kòmande ou yo, e si ou va kenbe règleman Mwen yo, avèk òdonans Mwen yo, \v 5 alò, \x + \xo 9:5 \xo*\xt II Sam 7:12-16\xt*\x*Mwen va etabli twòn wayòm ou sou Israël pou tout tan, jis jan ke M te pwomèt a papa ou, David la, lè M te di: ‘Ou p ap janm manke yon moun sou twòn Israël la.’ \v 6 \x + \xo 9:6 \xo*\xt II Sam 7:14-16\xt*\x*Men si ou menm, oswa fis ou yo, anverite, vire kite Mwen e pa kenbe kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen ke M te mete devan nou yo; epi ale sèvi lòt dye pou adore yo, \v 7 \x + \xo 9:7 \xo*\xt Jr 7:4-14\xt*\x*alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo. \v 8 Epi kay sila a va devni yon \x + \xo 9:8 \xo*\xt II Wa 25:9\xt*\x*pil ranblè. Tout moun ki pase va sezi e soufle e yo va di: “Poukisa SENYÈ a te fè sa a peyi ak kay sa a? \v 9 Epi konsa yo va reponn: \x + \xo 9:9 \xo*\xt Det 29:25-28\xt*\x*‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’” \p \v 10 Li te vin rive \x + \xo 9:10 \xo*\xt I Wa 6:37-38\xt*\x*vè fen ventan ke Salomon t ap bati de kay yo, kay SENYÈ a ak kay wa a, \v 11 (Hiram, wa Tyr la te founi Salomon avèk bwa sèd ak bwa pichpen avèk lò, selon sa ke li te vle a), alò, Wa Salomon te bay Hiram ven vil nan peyi Galilée. \v 12 Konsa, Hiram te sòti Tyr pou vin wè vil ke Salomon te ba li yo, e yo pa t fè l kontan. \v 13 Li te di: “Ki vil sa yo ke ou te ban mwen yo, frè mwen?” Pou rezon sa a, yo te ba yo non a \x + \xo 9:13 \xo*\xt Jos 19:27\xt*\x*peyi a Cabul menm rive jis jodi a. \v 14 \x + \xo 9:14 \xo*\xt I Wa 9:11 \xt*\x*Epi Hiram te voye a wa a san ven talan lò. \p \v 15 Alò, sa se istwa a travay kòve ke Wa Salomon te \x + \xo 9:15 \xo*\xt I Wa 5:13\xt*\x*fè leve pou bati kay SENYÈ a, lakay pa li a, ak Sitadèl Millo a, miray Jérusalem nan, Hatsor, Méguiddo ak Guézer. \v 16 Paske Farawon, wa Égypte la te monte, kaptire Guézer. Li te brile li avèk dife, e li te touye \x + \xo 9:16 \xo*\xt Jos 16:10\xt*\x*Kananeyen ki te rete nan vil yo. Epi li te ba li kòm dwa maryaj fi li a, madanm a Salomon. \v 17 Konsa, Salomon te rebati Guézer, e piba \x + \xo 9:17 \xo*\xt Jos 10:10\xt*\x*Beth-Horon, \v 18 epi \x + \xo 9:18 \xo*\xt Jos 19:44\xt*\x*Balath avèk Tamar nan dezè a, nan peyi Juda, \v 19 ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, menm \x + \xo 9:19 \xo*\xt I Wa 10:26\xt*\x*vil pou cha li ak vil pou chevalye pa li yo avèk tout sa ki te fè Salomon plezi pou bati Jérusalem, nan Liban ak nan tout teritwa a anba règ pa li. \v 20 Tout pèp ki te retay Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo, Jebizyen yo, ki pa t nan fis Israël yo— \v 21 \x + \xo 9:21 \xo*\xt Jij 1:21-29\xt*\x*ak desandan yo ki te swiv yo, nan peyi ke fis Israël yo pa t kapab fin detwi nèt—soti nan yo, Salomon te leve ouvriye kòve yo, menm jiska jodi a. \v 22 Men Salomon \x + \xo 9:22 \xo*\xt Lev 25:39\xt*\x*pa t fè esklav yo pami fis Israël yo, paske yo te sèvi kòm mesye lagè yo, sèvitè li yo, prens li yo, kapitèn li yo, kòmandan a cha li yo, avèk chevalye li yo. \v 23 Sila yo se te \x + \xo 9:23 \xo*\xt II Kwo 8:10\xt*\x*chèf ofisye ki te sou zèv Salomon yo; senk-san-senkant ki te chèf sou moun ki te fè travay la yo. \p \v 24 Men \x + \xo 9:24 \xo*\xt I Wa 3:1\xt*\x*fi Farawon an te monte soti nan vil David la pou rive nan kay ki te bati pou li a. Epi konsa, Salomon te bati Sitadèl Millo a. \p \v 25 Alò, \x + \xo 9:25 \xo*\xt Egz 23:14-17\xt*\x*twa fwa pa ane, Salomon te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè sou lotèl ke li te bati bay SENYÈ a. Li te brile lansan sou yo, sou lotèl ki te devan SENYÈ a. Konsa, li te fini kay la. \p \v 26 Wa Salomon osi te bati yon \x + \xo 9:26 \xo*\xt I Wa 22:48\xt*\x*kantite gwo bato nan Etsjon-Guéber, ki te toupre Éloth arebò Lamè Wouj la, nan peyi Édom an. \v 27 \x + \xo 9:27 \xo*\xt I Wa 5:6-9\xt*\x*Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo. \v 28 Yo te ale \x + \xo 9:28 \xo*\xt I Kwo 29:4\xt*\x*Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon. \c 10 \p \v 1 \x + \xo 10:1 \xo*\xt Mat 12:42\xt*\x*Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil. \v 2 Li te vini Jérusalem avèk yon trè gran kantite moun, avèk chamo ki t ap \x + \xo 10:2 \xo*\xt I Wa 10:10\xt*\x*pote epis, anpil lò avèk pyè presye. Lè li te vini kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li. \v 3 Salomon te reponn a tout kesyon li yo; anyen pa t kache a wa a pou l pa t eksplike li. \v 4 Lè rèn a Séba te vin konprann tout sajès a Salomon an, kay ke li te bati a, \v 5 manje sou tab li, kapasite sèvitè li yo, jan moun ki te sèvi tab yo te atantif, jan yo abiye, pòtè tas diven yo, ak eskalye li, kote li te monte rive lakay SENYÈ a, li te vin pa gen kouraj ankò. \v 6 Konsa, li te di a wa a: “Rapò ke m te tande soti nan peyi mwen selon pawòl ou avèk sajès ou a te vrè. \v 7 Men mwen pa t kwè rapò yo jiskaske mwen te rive e zye m te wè li. Epi vwala, yo pa t pale m mwatye verite. Ou depase nan sajès avèk richès rapò ke m te tande a. \v 8 Jan mesye pa ou yo \x + \xo 10:8 \xo*\xt Pwov 8:34\xt*\x*beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou. \v 9 Beni se SENYÈ a, Bondye ou a, ki te pran plezi nan ou pou mete ou sou twòn Israël la. \x + \xo 10:9 \xo*\xt I Kwo 17:22\xt*\x*Akoz SENYÈ a te renmen Israël pou tout tan, se pou sa Li te fè ou wa, \x + \xo 10:9 \xo*\xt Sòm 72:2 \xt*\x*pou fè lajistis avèk ladwati.” \v 10 \x + \xo 10:10 \xo*\xt I Wa 10:2\xt*\x*Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò. \p \v 11 \x + \xo 10:11 \xo*\xt I Wa 9:27-28\xt*\x*Osi, bato a Hiram ki te pote lò ki sòti Ophir yo, te mennen fè antre soti Ophir yon gran kantite pye bwa koray avèk pyè presye. \v 12 \x + \xo 10:12 \xo*\xt II Wa 9:11\xt*\x*Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a. \p \v 13 Wa Salomon te bay a rèn Séba tout sa ke li te dezire, tout sa ke li te mande, anplis de sa li te ba li selon bonte wayal li. Konsa, li te vire retounen nan pwòp peyi pa li a, ansanm avèk sèvitè pa li yo. \p \v 14 \x + \xo 10:14 \xo*\xt II Kwo 9:13-28\xt*\x*Alò, pwa lò a ki te antre pou Salomon nan yon ane se te sis-san-swasann-sis talan lò, \v 15 anplis de sa ki te sòti nan machann avèk byen a tout komèsan yo, tout wa pami \x + \xo 10:15 \xo*\xt II Kwo 9:14\xt*\x*Arab yo avèk gouvènè nan chak peyi yo. \v 16 \x + \xo 10:16 \xo*\xt I Wa 14:26-28\xt*\x*Wa Salomon te fè de-san gran boukliye avèk lò bat avèk sis-san sik lò nan chak gran boukliye. \v 17 Avèk twa-san boukliye nan lò bat, ki te sèvi twa min lò sou chak boukliye e \x + \xo 10:17 \xo*\xt I Wa 7:2\xt*\x*wa a te mete yo nan kay Forè Liban an. \v 18 Anplis, wa a te fè yon gwo twòn avèk \x + \xo 10:18 \xo*\xt II Kwo 9:17\xt*\x*ivwa e li te kouvri li avèk lò rafine. \v 19 Avèk sis machpye monte pou rive nan twòn nan, e yon tèt won sou twòn nan pa dèyè li, bra yo nan chak kote chèz la, e de lyon ki te kanpe akote bra yo. \v 20 Douz lyon te kanpe la sou sis machpye yo, sou yon kote e menm jan an sou lòt la. Anyen tankou li pa t fèt nan okenn lòt wayòm. \v 21 Tout veso a Wa Salomon pou bwè yo te fèt an lò. Tout veso nan kay Forè a Liban yo te an lò pi. Nanpwen ki te an ajan. Sa pa t konsidere kòm bagay chè nan jou a Salomon yo. \v 22 Paske \x + \xo 10:22 \xo*\xt I Wa 9:26-28\xt*\x*wa a te gen sou lanmè a bato a Tarsis avèk bato a Hiram yo. Yon fwa chak twazan bato a Tarsis yo te vini pote lò avèk ajan, ivwa avèk makak ak bèl zwazo pan yo. \p \v 23 \x + \xo 10:23 \xo*\xt I Wa 3:12-13\xt*\x*Konsa, Wa Salomon te vin pi gran ke tout wa sou latè yo nan richès avèk sajès. \v 24 Tout latè t ap chache prezans a Salomon \x + \xo 10:24 \xo*\xt I Wa 3:9-28\xt*\x*pou tande sajès li ke Bondye te mete nan kè li. \v 25 \x + \xo 10:25 \xo*\xt Sòm 68:29\xt*\x*Chak moun te pote kado li, afè an ajan avèk lò, vètman, zam, epis, cheval avèk milèt, an gran kantite ane pa ane. \p \v 26 Alò, Salomon te ranmase cha avèk cheval yo. Li te gen mil-kat-san cha avèk douz-mil chevalye e li te estasyone yo nan \x + \xo 10:26 \xo*\xt I Wa 9:19\xt*\x*vil cha yo avèk wa a nan Jérusalem. \v 27 \x + \xo 10:27 \xo*\xt Det 17:17\xt*\x*Wa a te fè ajan vin gaye toupatou tankou wòch Jérusalem. Li te fè sèd yo vin anpil tankou bwa sikomò ki rete nan ba plèn nan. \v 28 \x + \xo 10:28 \xo*\xt Det 17:16\xt*\x*Osi, lè Salomon te enpòte cheval yo, yo te soti an Égypte avèk Kuwe. Machann a wa yo te chache yo soti Kuwe pou yon pri. \v 29 Yon cha te konn enpòte soti Égypte pou sis-san sik an ajan ak yon cheval pou san-senkant e pa menm mwayen an, yo te ekspòte yo a \x + \xo 10:29 \xo*\xt II Wa 7:6-7\xt*\x*tout wa Etyen avèk wa Siryen yo. \c 11 \p \v 1 Alò, \x + \xo 11:1 \xo*\xt Det 17:17\xt*\x*Wa Salomon te renmen anpil fanm etranje ansanm avèk fi Farawon an: Moabit yo, Amonit yo, Edomit yo, Sidonyen yo ak fanm Etyen yo, \v 2 ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, \x + \xo 11:2 \xo*\xt Egz 23:31-33\xt*\x*“Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an. \v 3 \x + \xo 11:3 \xo*\xt II Sam 5:13-16\xt*\x*Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen. \v 4 Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a. \v 5 Paske Salomon te kouri dèyè \x + \xo 11:5 \xo*\xt I Sam 7:3-4\xt*\x*Astarté deyès a Sidonyen yo e apre \x + \xo 11:5 \xo*\xt I Wa 11:7\xt*\x*Milcom, zidòl abominab a Amonit yo. \v 6 Salomon te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a e li pa t swiv SENYÈ a nèt, jan David, papa li te fè a. \v 7 Epi Salomon te bati yon wo plas pou Kemosh, wa abominab a Moab la, sou mòn ki nan lès Jérusalem lan e pou Moloc, zidòl abominab a fis a Ammon yo. \v 8 Se konsa li te fè pou tout madanm etranje li yo. Li te brile lansan e fè sakrifis a dye pa yo. \v 9 Alò, SENYÈ a te byen fache avèk Salomon akoz kè li te vire lwen SENYÈ a, Bondye Israël la, \x + \xo 11:9 \xo*\xt I Wa 3:5\xt*\x*ki te vin parèt a li de fwa. \v 10 Li \x + \xo 11:10 \xo*\xt I Wa 6:12\xt*\x*te kòmande li sou bagay sa a, ke li pa ta dwe ale apre lòt dye yo, men li pa t swiv sa ke SENYÈ a te kòmande a. \v 11 Pou sa, SENYÈ a te di a Salomon: “Akoz ou te fè sa e ou pa t kenbe akò Mwen, avèk règleman Mwen yo, ke M te kòmande ou pou fè yo, \x + \xo 11:11 \xo*\xt I Sam 2:30\xt*\x*Mwen va, anverite, chire wayòm nan soti nan men ou e Mwen va bay li a sèvitè ou. \v 12 Sepandan, se pa nan jou pa w yo ke M ap fè l, pou koz David, papa ou. Men m ap chire l nan men fis ou yo. \v 13 Malgre sa, mwen p ap rache tout wayòm nan, men \x + \xo 11:13 \xo*\xt I Wa 11:32-36\xt*\x*Mwen va bay yon tribi a fis ou pou koz a sèvitè Mwen an, David e pou koz Jérusalem ke M te chwazi a.” \p \v 14 Alò, SENYÈ a te fè leve yon lènmi a Salomon, Hadad, Edomit lan; li te nan ras wayal a Édom an. \v 15 Paske li te vin rive ke \x + \xo 11:15 \xo*\xt II Sam 8:14\xt*\x*lè David te Édom e Joab, chèf lame a te monte pou antere mò yo, li te frape touye tout gason nan Édom yo \v 16 (paske Joab avèk tout Israël te rete la pandan si mwa, jiskaske li te koupe, fè desann tout gason nan Édom yo.) \v 17 Se nan moman sa a ke Hadad te sove ale rive an Égypte, li menm avèk kèk Edomit ki te sèvitè a papa li avèk li, pandan Hadad te jenn gason. \v 18 Yo te leve soti Madian, pou rive \x + \xo 11:18 \xo*\xt Nonb 10:12\xt*\x*Paran. Yo te pran mesye yo avèk yo soti Paran pou te rive an Égypte, kote Farawon, wa Égypte la. Farawon te bay yo yon kay e li te founi Hadad avèk manje e li te bay li tè. \v 19 Alò, Hadad te twouve gran favè devan Farawon. Konsa, li te ba li nan maryaj, sè a pwòp madanm li, sè a Thachpenès, rèn nan. \v 20 Sè a Thachpenès la te fè fis li, Guenubath, ke Thachpenès te sevre lakay Farawon pami fis a Farawon yo. \v 21 Men \x + \xo 11:21 \xo*\xt I Wa 2:10\xt*\x*lè Hadad te tande an Égypte ke David te dòmi avèk zansèt li yo, e ke Joab, chèf lame a te mouri, Hadad te di a Farawon: “Voye mwen ale, pou m kab rive nan pwòp peyi pa mwen.” \p \v 22 Alò, Farawon te di li: “Men kisa ou te manke avè m, ke konsa, w ap chache ale nan pwòp peyi pa ou?” \p Li te reponn li: “Anyen: men anverite, fòk ou kite mwen ale.” \p \v 23 \x + \xo 11:23 \xo*\xt I Wa 11:14\xt*\x*Bondye te osi leve yon lòt lènmi a li menm, Rezon, fis a Éliada a, ki te sove ale devan Chèf li, Hadadézer wa Tsoba a. \v 24 Li te ranmase moun vè li menm pou te devni chèf a yon twoup bandi mawon. Apre David te vin touye yo nan Tsoba, yo te deplase a Damas pou rete la e te renye Damas. \v 25 Konsa, li te lènmi a Israël pou tout jou a Salomon yo, ansanm avèk mechanste ke Hadad te fè yo. Li te rayi Israël e li te renye sou Syrie. \p \v 26 Alò, \x + \xo 11:26 \xo*\xt I Wa 11:11-28\xt*\x*Jéroboam, fis a Nebath la, yon Efratyen nan Tseréda, yon sèvitè a Salomon, manman a sila ki te rele Tserua a, yon vèv, li osi te fè rebèl kont wa a. \v 27 Alò, se te pou rezon sa ke li te fè rebèl kont wa a: \x + \xo 11:27 \xo*\xt I Wa 9:15-24\xt*\x*Salomon te bati sitadèl Millo, e li te fèmen brèch nan lavil papa l la, David. \v 28 Alò, Jéroboam te yon gèrye vanyan e lè \x + \xo 11:28 \xo*\xt Pwov 22:29\xt*\x*Salomon te wè ke jennonm nan te travay byen, li te chwazi li sou tout kòvey lakay Joseph yo. \v 29 Li te vin rive vè lè sa a, lè Jéroboam te kite Jérusalem, ke \x + \xo 11:29 \xo*\xt I Wa 12:15\xt*\x*pwofèt la, Achija, te mete yon manto nèf sou li; epi yo de a te rankontre ansanm san lòt moun nan mitan chan an. \v 30 Alò, \x + \xo 11:30 \xo*\xt I Sam 15:27-28\xt*\x*Achija te sezi kenbe manto nèf ki te sou li a, e li te chire li nan douz mòso. \v 31 Li te di a Jéroboam: “Pran pou ou menm dis mòso; paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Gade byen, \x + \xo 11:31 \xo*\xt I Wa 11:11-12\xt*\x*Mwen va chire wayòm nan sòti nan men Salomon, e ba ou dis tribi \v 32 \x + \xo 11:32 \xo*\xt I Wa 12:21\xt*\x*(men li va gen yon tribi pou koz sèvitè Mwen an, David, ak pou koz Jérusalem, \x + \xo 11:32 \xo*\xt I Wa 14:21\xt*\x*vil ke M te chwazi soti nan tout tribi Israël yo), \v 33 akoz yo te abandone Mwen e \x + \xo 11:33 \xo*\xt I Wa 11:5-8\xt*\x*te adore Astarté deyès a Sidonyen yo, \x + \xo 11:33 \xo*\xt Jr 48:7-13\xt*\x*Kemosh, dye a Moab la ak Milcom, dye a fis Ammon yo. Epi yo pa t mache nan vwa Mwen yo, pou fè sa ki dwat nan zye M, e swiv règleman Mwen yo avèk òdonans Mwen yo, jan papa li, David te fè a. \p \v 34 “‘Sepandan, Mwen p ap pran tout wayòm nan sòti nan men l, men Mwen va fè li chèf pandan tout jou lavi li, pou koz David, ke Mwen te chwazi, ki te swiv kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, \v 35 men \x + \xo 11:35 \xo*\xt I Wa 11:12\xt*\x*Mwen va rache wayòm nan nan men fis li pou bay ou, menm dis tribi. \v 36 Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, \x + \xo 11:36 \xo*\xt II Wa 8:19\xt*\x*pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an. \v 37 Mwen va pran ou e ou va renye sou nenpòt sa ou vle e ou va wa sou Israël. \v 38 Epi li va ye, ke si ou koute tout sa ke M kòmande ou, mache nan vwa Mwen yo, fè sa ki dwat nan zye Mwen, e swiv règleman Mwen yo avèk kòmandman Mwen yo jan sèvitè Mwen David te fè a, alò, Mwen va avèk ou pou bati pou ou yon \x + \xo 11:38 \xo*\xt II Sam 7:11-27\xt*\x*kay k ap dire, jis jan ke M te bati pou David la, e Mwen va bay Israël a ou menm. \v 39 Konsa, Mwen va aflije desandan a David yo pou sa, men pa pou tout tan.’” \p \v 40 Akoz sa, Salomon te chache mete Jéroboam a lanmò, men Jéroboam te leve e te sove ale rive an Égypte kote \x + \xo 11:40 \xo*\xt I Wa 14:25\xt*\x*Schischak, wa Égypte la, e li te rete an Égypte jiska lanmò Salomon. \p \v 41 \x + \xo 11:41 \xo*\xt II Wa 9:29\xt*\x*Alò tout lòt zèv a Salomon yo ak tout sa li te fè ak sajès li, èske yo pa ekri nan liv a zèv Salomon yo? \v 42 Konsa, \x + \xo 11:42 \xo*\xt II Kwo 9:30\xt*\x*tan ke Salomon te renye Jérusalem sou tout Israël la se te karantan. \v 43 Epi Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan vil a papa li, David e fis li a, \x + \xo 11:43 \xo*\xt I Wa 14:21\xt*\x*Roboam te renye nan plas li. \c 12 \p \v 1 \x + \xo 12:1 \xo*\xt II Kwo 10:1\xt*\x* Roboam te ale \x + \xo 12:1 \xo*\xt Jij 9:6\xt*\x*Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a. \v 2 Alò, \x + \xo 12:2 \xo*\xt I Wa 11:26-40\xt*\x*lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, li t ap viv an Égypte (paske li te toujou an Égypte kote li te sove ale rive soti nan prezans a Wa Salomon). \v 3 Konsa, yo te voye rele li e Jéroboam avèk tout asanble Israël la te vin pale avèk Roboam. Yo te di: \v 4 \x + \xo 12:4 \xo*\xt I Sam 8:11-18\xt*\x*“Papa ou te fè jouk nou rèd. Alò pou sa, fè sèvis di a papa ou vin pi lejè e mwens lou ke li te mete sou nou e nou va sèvi ou.” \p \v 5 Epi li te di yo: \x + \xo 12:5 \xo*\xt I Wa 12:12\xt*\x*“Kite mwen pandan twa jou e retounen bò kote mwen.” \p Konsa, pèp la te ale. \p \v 6 Wa Roboam te fè \x + \xo 12:6 \xo*\xt I Wa 4:1-6\xt*\x*konsiltasyon avèk ansyen ki te sèvi papa li yo, Salomon, pandan li te toujou vivan an, e li te di: “Ki konsèy n ap ban mwen pou repons a pèp sa a?” \p \v 7 Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: \x + \xo 12:7 \xo*\xt II Kwo 10:7\xt*\x*“Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan.” \p \v 8 Men li te rejte konsèy ansyen yo te bay li a e li te konsilte avèk jennonm ki te elve ansanm avèk li pou te sèvi li a. \v 9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou nou kapab reponn pèp sa a ki te pale avè m e te di: ‘Fè jouk ke papa ou te mete sou nou an vin pi lejè’?” \p \v 10 Jennonm ki te elve ansanm avèk li yo te reponn li e te di: “Se konsa pou ou ta pale avèk pèp sa a ki te pale avèk ou a pou di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou. Alò, ou menm, fè l vin pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va di yo: ‘Ti dwèt pi piti mwen an pi gwo ke senti papa mwen! \v 11 Kote nou wè papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete ankò sou jouk nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt; men mwen va sèvi ak eskòpyon.’” \p \v 12 Alò, Jéroboam avèk tout pèp la te vini a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande l la, lè l te di: \x + \xo 12:12 \xo*\xt I Wa 12:5\xt*\x*“Retounen kote mwen nan twazyèm jou a. \v 13 Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a. \v 14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. \x + \xo 12:14 \xo*\xt Egz 1:13\xt*\x*Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’” \p \v 15 Konsa, wa a pa t koute pèp la; paske evenman yo se te yon dewoulman ki te sòti nan SENYÈ a, jis pou \x + \xo 12:15 \xo*\xt I Wa 11:11-31\xt*\x*Li ta kapab etabli pawòl ke SENYÈ a te pale pa Achija, Siloyit la, a Jéroboam, fis a Nebath la. \v 16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: \q1 “Ki pati nou gen nan David? \q1 Nanpwen eritaj nan fis Jesse a; \q1 Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a! \q1 Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!” \p Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo. \p \v 17 Men \x + \xo 12:17 \xo*\xt I Wa 11:13-36\xt*\x*pou fis Israël ki te rete nan vil Juda yo, Roboam te renye sou yo. \v 18 Epi Wa Roboam te voye \x + \xo 12:18 \xo*\xt II Sam 20:24 \xt*\x*Adoram ki te chèf sou kòve yo, e tout Israël te lapide li avèk kout wòch jiska lanmò. Konsa, Wa Roboam te fè vit monte cha li pou kite Jérusalem. \v 19 \x + \xo 12:19 \xo*\xt II Wa 17:21\xt*\x*Konsa, Israël te fè rebèl kont lakay David jiska jodi a. \p \v 20 Li te vin rive ke lè tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te fè li wa sou tout Israël. \x + \xo 12:20 \xo*\xt I Wa 11:13-36\xt*\x*Okenn sof ke Juda te swiv lakay David. \p \v 21 \x + \xo 12:21 \xo*\xt II Kwo 11:1\xt*\x*Alò, lè Roboam te retounen Jérusalem, li te rasanble tout kay Juda a ak tribi Benjamin an, 180,000 mesye chwazi ki te gèrye, pou goumen kont lakay Israël la pou restore wayòm a Roboam nan, fis Salomon an. \v 22 Men pawòl Bondye te vini a \x + \xo 12:22 \xo*\xt II Kwo 11:2\xt*\x*Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di: \v 23 “Pale avèk Roboam, fis a Salomon an, wa Juda a e a tout lakay Juda avèk Benjamin, \x + \xo 12:23 \xo*\xt I Wa 12:17\xt*\x*a tout lòt pèp yo. Di yo: \v 24 ‘Konsa pale SENYÈ a, “Fòk ou pa monte goumen kont fanmi ou yo, fis Israël yo. Retounen tout moun nan nou lakay nou, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen fè wout yo selon pawòl SENYÈ a. \p \v 25 Epi, \x + \xo 12:25 \xo*\xt Jij 9:45-49\xt*\x*Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati \x + \xo 12:25 \xo*\xt Jen 32:30-31\xt*\x*Penuel. \v 26 Jéroboam te di nan kè l: “Koulye a, wayòm nan va retounen lakay David. \v 27 \x + \xo 12:27 \xo*\xt Det 12:5-7-14\xt*\x*Si moun sa yo monte pou ofri sakrifis nan kay SENYÈ a Jérusalem; alò, kè a pèp sa a va retounen vè mèt yo; menm vè Roboam, wa Juda a. Epi yo va touye mwen e retounen a Roboam, wa Juda a.” \v 28 Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te \x + \xo 12:28 \xo*\xt Os 8:4-7\xt*\x*fè de ti bèf an lò. Li te di a pèp la: “Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. \x + \xo 12:28 \xo*\xt Egz 32:4-8\xt*\x*Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la.” \v 29 Li te plase \x + \xo 12:29 \xo*\xt Os 10:5\xt*\x*youn nan Béthel e lòt la, li te mete li Dan. \v 30 Alò, bagay sa a te devni yon peche. Paske pèp la te ale pou adore devan youn nan yo jis rive Dan. \v 31 Konsa, Jéroboam te fè kay sou wo plas yo e li te \x + \xo 12:31 \xo*\xt I Wa 13:33\xt*\x*fè prèt yo soti pami moun ki pa t pami fis a Lévi yo. \v 32 Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, \x + \xo 12:32 \xo*\xt Lev 23:33-34\xt*\x*tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte vè lotèl la. Konsa li te fè nan Béthel e li te fè sakrifis a ti bèf ke li te fè yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te fè yo. \v 33 Alò, li te monte kote lotèl ke li te fè Béthel nan kenzyèm jou nan di-zuityèm mwa ke li te \x + \xo 12:33 \xo*\xt Nonb 15:39\xt*\x*chwazi nan pwòp kè li a; epi li te etabli yon fèt pou fis Israël yo, e li te monte vè lotèl la pou brile lansan. \c 13 \p \v 1 Alò, vwala, te vini \x + \xo 13:1 \xo*\xt I Wa 12:22\xt*\x* yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an. \v 2 Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. \x + \xo 13:2 \xo*\xt II Wa 23:15-16\xt*\x*Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’” \v 3 Konsa, li te bay yon sign nan menm jou sa, e li te di: \x + \xo 13:3 \xo*\xt Jn 2:18\xt*\x*“Sa se sign ke SENYÈ a te pale a: Gade byen, lotèl la va vin fann separe e sann ki sou li yo va vide deyò.” \p \v 4 Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li. \v 5 Lotèl la osi te ouvri fann e sann yo te vide nèt soti nan lotèl la, selon sign ke nonm a Bondye a te bay selon pawòl SENYÈ a. \v 6 Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.” \p Konsa, \x + \xo 13:6 \xo*\xt Luc 6:27-28\xt*\x*nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an. \p \v 7 Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e \x + \xo 13:7 \xo*\xt I Sam 9:7-8\xt*\x*mwen va ba ou yon rekonpans.” \p \v 8 Men nonm Bondye a te di a wa a: \x + \xo 13:8 \xo*\xt Nonb 22:18\xt*\x*“Menmsi ou te ban mwen menm mwatye kay ou, mwen pa t ap prale avèk ou, ni mwen pa t ap manje pen, ni bwè dlo nan plas sa a. \v 9 Paske se konsa li te kòmande mwen pa pawòl SENYÈ a e te di: ‘Ou pa pou manje okenn pen, ni bwè dlo, ni retounen pa chemen ke ou te vini an.’” \v 10 Pou sa, li te fè yon lòt chemen e li pa t retounen pa chemen ke li te vini Béthel la. \p \v 11 Alò, yon \x + \xo 13:11 \xo*\xt I Wa 13:25\xt*\x*pwofèt granmoun t ap viv Béthel, epi fis li yo te vini pou te di li tout zèv ke nonm Bondye a te fè pandan jou sa nan Béthel. Yo te pale li pawòl yo ke li te pale a wa a. \p \v 12 Papa yo te di yo: “Se ki direksyon li te pran?” Alò, fis li yo te wè direksyon ke nonm Bondye ki te sòti Juda a te pran an. \v 13 Epi li te di a fis li yo: “Sele bourik la pou mwen.” Konsa, yo te sele bourik la pou li e li te sòti sou li. \v 14 Konsa, li te ale dèyè nonm Bondye a. Li te twouve li te chita anba yon pye bwadchenn. Konsa, li te mande l: “Èske ou menm se nonm Bondye ki te sòti Juda a?” \p Li te reponn: “Se mwen”. \p \v 15 Konsa, li te di li: “Vin lakay mwen pou manje pen.” \p \v 16 Li te di: \x + \xo 13:16 \xo*\xt I Wa 13:8-9\xt*\x*“Mwen p ap kab retounen avèk ou, ni ale avèk ou, ni mwen p ap manje pen ni bwè dlo avèk ou nan plas sa a. \v 17 Paske yon lòd rive jwenn mwen \x + \xo 13:17 \xo*\xt I Wa 20:35\xt*\x*pa pawòl SENYÈ a: ‘Ou pa pou manje pen, ni bwè dlo, ni pa retounen pa chemen ke ou te vini an.’” \p \v 18 Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e \x + \xo 13:18 \xo*\xt Gal 1:8\xt*\x*yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’” \p \v 19 Konsa, li te retounen avèk li e te manje pen lakay li a e te bwè dlo. \v 20 Alò, li te vin rive, pandan yo te chita sou tab la a, ke pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt ki te fè li retounen an; \v 21 epi li te kriye a nonm Bondye ki te sòti Juda a, e li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te dezobeyi kòmandman SENYÈ a e pa t swiv lòd ke SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande ou a, \v 22 men ou te retounen, ou te manje pen e bwè dlo nan plas kote Li te di ou: “Pa manje okenn pen ni bwè okenn dlo a”; kò ou p ap rive nan tonm papa ou a.’” \p \v 23 Li te vin rive lè li te fin manje pen an e bwè a, ke li te sele bourik la pou li, pou pwofèt la te mennen li retounen. \v 24 Alò, lè li t ap prale, \x + \xo 13:24 \xo*\xt I Wa 20:36\xt*\x*yon lyon te rankontre li sou wout la e te touye li, kò li te jete sou wout la, avèk bourik la kanpe akote li ak lyon an osi te kanpe akote kò a. \v 25 Epi vwala, moun yo t ap pase kote l, e yo te wè kò a jete sou wout la ak lyon an ki te kanpe akote kò a. Konsa, yo te rive pale sa nan vil kote \x + \xo 13:25 \xo*\xt I Wa 13:11\xt*\x*pwofèt granmoun nan te rete a. \v 26 Alò, lè pwofèt ki te mennen li retounen soti nan chemen an te tande sa, li te di: “Se nonm Bondye ki te dezobeyi lòd SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te bay li a lyon, ki te chire li e touye li selon pawòl ke SENYÈ a te pale li a.” \v 27 Alò, li te pale avèk fis li yo e te di: “Sele bourik la pou mwen.” Epi yo te sele li. \v 28 Li te ale twouve kò li ki te jete sou wout la avèk bourik la ak lyon ki te kanpe akote kò a. Lyon an pa t manje kò a, ni li pa t chire bourik la. \v 29 Konsa, pwofèt la te leve pran kò a nonm Bondye a. Li te kouche li sou bourik la, e li te mennen li retounen. Li te rive nan vil a pwofèt granmoun nan pou kriye pou li e antere li. \v 30 Li te kouche kadav la nan pwòp tonm pa li, e yo te kriye pou li, e te di: \x + \xo 13:30 \xo*\xt Jr 22:18\xt*\x*“Anmwey, frè m!” \p \v 31 Apre li te fin antere li, li te pale avèk fis li yo e te di: “Lè m mouri, antere mwen nan tonm kote nonm Bondye a antere a. \x + \xo 13:31 \xo*\xt Rt 1:17 \xt*\x*Kouche zo pa m yo akote zo pa l yo. \v 32 \x + \xo 13:32 \xo*\xt I Wa 13:2\xt*\x*Paske bagay la, anverite, va rive ke li te kriye selon pawòl SENYÈ a kont lotèl la Béthel ak kont tout kay plas wo ki nan vil a Samarie yo.” \p \v 33 Apre evenman sa a, Jéroboam pa t kite chemen mechanste li, men \x + \xo 13:33 \xo*\xt I Wa 12:31-32\xt*\x*ankò li te fè prèt pou wo plas yo soti nan tout pèp la. \x + \xo 13:33 \xo*\xt Jij 17:5\xt*\x*Nenpòt moun ki ta vle fè sa, li te òdone pou devni prèt nan wo plas yo. \v 34 \x + \xo 13:34 \xo*\xt I Wa 12:30\xt*\x*Evenman sa a te devni peche lakay Jéroboam, jis menm pou ta detwi kay li e fè l disparèt sou fas tè a. \c 14 \p \v 1 Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad. \v 2 Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale \x + \xo 14:2 \xo*\xt Jos 18:1\xt*\x*Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te \x + \xo 14:2 \xo*\xt I Wa 11:29-31\xt*\x*pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la. \v 3 \x + \xo 14:3 \xo*\xt I Sam 9:7-8\xt*\x*Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.” \p \v 4 Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay \x + \xo 14:4 \xo*\xt I Wa 11:29\xt*\x*Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li. \v 5 Alò, SENYÈ a te di a Achija: “Gade byen, madanm a Jéroboam nan ap vin mande ou konsèy de fis li a, paske li malad. Ou va pale li konsa; paske li va fèt ke lè l rive, \x + \xo 14:5 \xo*\xt II Sam 14:2\xt*\x*l ap fè kòmsi se yon lòt fanm li ye.” \p \v 6 Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di. \v 7 Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: \x + \xo 14:7 \xo*\xt I Wa 11:28-31\xt*\x*“Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël, \v 8 e akoz Mwen te \x + \xo 14:8 \xo*\xt I Wa 11:31\xt*\x*chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen. \v 9 Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou \x + \xo 14:9 \xo*\xt I Wa 12:28\xt*\x*te fè pou ou menm lòt dye avèk \x + \xo 14:9 \xo*\xt Egz 34:17\xt*\x*imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou— \v 10 Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va \x + \xo 14:10 \xo*\xt I Wa 21:21\xt*\x*koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt. \v 11 \x + \xo 14:11 \xo*\xt I Wa 16:4\xt*\x*Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.”’ \v 12 Koulye a, ou menm, leve ale lakay ou. \x + \xo 14:12 \xo*\xt I Wa 14:17\xt*\x*Lè pye ou fin antre nan vil la, pitit la va mouri. \v 13 Tout Israël va fè lamantasyon pou li e antere li, paske se sèlman li nan tout fanmi Jéroboam ki va rive nan tonm nan, akoz nan li, \x + \xo 14:13 \xo*\xt II Kwo 19:3\xt*\x*yon bon bagay te twouve anvè SENYÈ a, Bondye Israël la, nan kay Jéroboam nan. \v 14 Anplis, \x + \xo 14:14 \xo*\xt I Wa 15:27-29\xt*\x*SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm! \v 15 Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi \x + \xo 14:15 \xo*\xt Det 29:28\xt*\x*Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li \x + \xo 14:15 \xo*\xt II Wa 15:29\xt*\x*va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. \v 16 Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.” \p \v 17 Alò, madanm a Jéroboam te leve ale e te rive Thirtsa. \x + \xo 14:17 \xo*\xt I Wa 14:12\xt*\x*Pandan li t ap pase nan chanbrann pòt la, pitit la te mouri. \v 18 \x + \xo 14:18 \xo*\xt I Wa 14:13\xt*\x*Tout Israël te antere li e te kriye pou li, selon pawòl SENYÈ a te pale pa sèvitè li, Achija, pwofèt la. \p \v 19 Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, \x + \xo 14:19 \xo*\xt I Wa 14:30\xt*\x*jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo. \v 20 Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a. \p \v 21 \x + \xo 14:21 \xo*\xt II Kwo 12:13\xt*\x*Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit. \v 22 \x + \xo 14:22 \xo*\xt II Kwo 12:1-14\xt*\x*Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te \x + \xo 14:22 \xo*\xt Det 32:21\xt*\x*pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo. \v 23 Paske yo tou te bati pou yo menm \x + \xo 14:23 \xo*\xt Éz 16:24\xt*\x*wo plas yo, \x + \xo 14:23 \xo*\xt Det 16:22\xt*\x*pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt. \v 24 Te gen osi \x + \xo 14:24 \xo*\xt Jen 19:5\xt*\x*gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo. \p \v 25 \x + \xo 14:25 \xo*\xt I Wa 11:40 \xt*\x*Alò, li te fèt nan senkyèm ane a Wa Roboam, Schischak, wa Égypte la te vin monte kont Jérusalem. \v 26 Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, \x + \xo 14:26 \xo*\xt I Wa 10:17\xt*\x*menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo. \v 27 Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo. \v 28 Epi li te vin rive ke nenpòt lè wa a te antre lakay SENYÈ a, ke gad yo ta pote mennen yo retounen nan chanm gad yo. \p \v 29 \x + \xo 14:29 \xo*\xt II Kwo 12:15-16\xt*\x*Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo? \v 30 \x + \xo 14:30 \xo*\xt I Wa 12:21\xt*\x*Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan. \v 31 Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. \x + \xo 14:31 \xo*\xt I Wa 14:21\xt*\x*Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li. \c 15 \p \v 1 \x + \xo 15:1 \xo*\xt II Kwo 13:1\xt*\x*Alò, nan di-zuityèm ane a Wa Jéroboam, fis Nebat la, Abijam te vin wa sou Juda. \v 2 Li te renye pandan twazan nan Jérusalem. Non manman li se te \x + \xo 15:2 \xo*\xt II Kwo 13:2\xt*\x*Maaca, fis a \x + \xo 15:2 \xo*\xt II Kwo 11:21\xt*\x*Abisalom lan. \v 3 Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. \x + \xo 15:3 \xo*\xt I Wa 11:4\xt*\x*Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David. \v 4 Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem. \v 5 \x + \xo 15:5 \xo*\xt Luc 1:6\xt*\x*Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, \x + \xo 15:5 \xo*\xt II Sam 11:3-17\xt*\x*sof ke ka a Urie a, Etyen an. \v 6 \x + \xo 15:6 \xo*\xt I Wa 14:30\xt*\x*Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam pandan tout vi li. \v 7 Alò, tout lòt zèv a Abijam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? \x + \xo 15:7 \xo*\xt II Kwo 13:3-20\xt*\x*Anplis, te gen lagè antre Abijam avèk Jéroboam. \v 8 \x + \xo 15:8 \xo*\xt II Kwo 14:1\xt*\x*Epi Abijam te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David. Asa, fis li a te devni wa nan plas li. \p \v 9 Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda. \v 10 Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. \x + \xo 15:10 \xo*\xt I Wa 15:2\xt*\x*Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom lan. \v 11 \x + \xo 15:11 \xo*\xt II Kwo 14:2\xt*\x*Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a. \v 12 Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te \x + \xo 15:12 \xo*\xt II Kwo 14:2\xt*\x*retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo. \v 13 Anplis, \x + \xo 15:13 \xo*\xt II Kwo 15:16-18\xt*\x*li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te \x + \xo 15:13 \xo*\xt Egz 32:20\xt*\x*brile li nan flèv Cédron an. \v 14 Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, \x + \xo 15:14 \xo*\xt I Wa 8:61\xt*\x*kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo. \v 15 \x + \xo 15:15 \xo*\xt I Wa 7:51\xt*\x*Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò. \p \v 16 \x + \xo 15:16 \xo*\xt I Wa 15:32\xt*\x*Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo. \v 17 \x + \xo 15:17 \xo*\xt II Kwo 16:1-6\xt*\x*Baescha, wa Israël la, te monte kont Juda e te ranfòse Rama pou anpeche moun antre, oswa sòti kote Asa, wa Juda a. \v 18 \x + \xo 15:18 \xo*\xt I Wa 14:26\xt*\x*Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: \v 19 “Kite yon \x + \xo 15:19 \xo*\xt II Kwo 16:7\xt*\x*akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.” \p \v 20 Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, \x + \xo 15:20 \xo*\xt Jij 18:29\xt*\x*Dan, Abel-Beth-Maaca, tout \x + \xo 15:20 \xo*\xt Jos 11:2\xt*\x*Kinneroth la ak tout teritwa Nephtali a. \v 21 Lè Baescha fin tande koze sa a, li te sispann ranfòse Rama e li te vin rete \x + \xo 15:21 \xo*\xt I Wa 14:17\xt*\x*Thirtsa. \v 22 Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, \x + \xo 15:22 \xo*\xt Jos 18:24\xt*\x*Guéba nan Benjamin ak Mitspa. \v 23 Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li. \v 24 Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi \x + \xo 15:24 \xo*\xt I Wa 22:41-44\xt*\x*Josaphat te renye nan plas li. \p \v 25 Alò, \x + \xo 15:25 \xo*\xt I Wa 14:20\xt*\x*Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan. \v 26 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te \x + \xo 15:26 \xo*\xt I Wa 12:28-33\xt*\x*mache nan chemen papa li ak \x + \xo 15:26 \xo*\xt I Wa 15:30-34\xt*\x*nan peche avèk sila li te fè Israël peche a. \v 27 Alò, \x + \xo 15:27 \xo*\xt I Wa 14:14\xt*\x*Baescha, fis Achija a, a lakay Issacar a, te fè konplo kont Nadab, e Baescha te frape l fè l mouri nan Guibbethon, ki te apatyen a Filisten yo, pandan Nadab avèk tout Israël t ap fè syèj nan Guibbethon. \v 28 Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li. \v 29 Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, \x + \xo 15:29 \xo*\xt I Wa 14:9-16\xt*\x*selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la. \v 30 Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e \x + \xo 15:30 \xo*\xt I Wa 15:26\xt*\x*avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè. \p \v 31 \x + \xo 15:31 \xo*\xt I Wa 14:19\xt*\x*Alò, lòt zèv a Nadab yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? \v 32 \x + \xo 15:32 \xo*\xt I Wa 15:16\xt*\x*Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo. \p \v 33 Nan twazyèm ane Asa a, wa a Juda a, Baescha, fis a Achija a, te devni wa sou tout Israël nan Thirtsa e li te renye venn-kat ane. \v 34 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li \x + \xo 15:34 \xo*\xt I Wa 15:26\xt*\x*te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo. \c 16 \p \v 1 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a\x + \xo 16:1 \xo*\xt I Wa 16:7\xt*\x*Jéhu, fis a Hanani a kont Baescha, e te di: \v 2 “Mwen te egzalte ou, Baescha, soti nan pousyè e Mwen te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël. E \x + \xo 16:2 \xo*\xt I Wa 15:34\xt*\x*ou te mache nan chemen Jéroboam pou te fè pèp Mwen an, Israël peche e te pwovoke M a lakòlè avèk peche pa yo. \v 3 Veye byen, Mwen va manje \x + \xo 16:3 \xo*\xt I Wa 16:11\xt*\x*Baescha nèt avèk lakay li e \x + \xo 16:3 \xo*\xt I Wa 15:29\xt*\x*Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebat la. \v 4 \x + \xo 16:4 \xo*\xt I Wa 14:11\xt*\x*Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.” \p \v 5 \x + \xo 16:5 \xo*\xt I Wa 14:19\xt*\x*Alò, lòt zèv a Baescha, sa li te fè ak pwisans li, èske yo pa t ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? \v 6 Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere \x + \xo 16:6 \xo*\xt I Wa 14:7\xt*\x*Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li. \p \v 7 Anplis, pawòl SENYÈ a, pa \x + \xo 16:7 \xo*\xt I Wa 16:1\xt*\x*pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li. \p \v 8 Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan. \v 9 Sèvitè li, \x + \xo 16:9 \xo*\xt II Wa 9:30-33\xt*\x*Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a. \v 10 Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li. \p \v 11 Li te vin rive ke lè li te devni wa a, depi li te chita sou twòn nan, ke \x + \xo 16:11 \xo*\xt I Wa 15:29\xt*\x*li te touye tout manm lakay Baesche yo. Li pa t kite menm yon gason, ni pami fanmi, ni nan zanmi li yo. \v 12 Konsa, Zimri te detwi tout lakay Baesche, \x + \xo 16:12 \xo*\xt I Wa 16:3\xt*\x*selon pawòl ke SENYÈ a te pale kont Baesche pa \x + \xo 16:12 \xo*\xt II Kwo 19:2\xt*\x*Jéhu, pwofèt la, \v 13 pou tout peche a Baesche yo ak peche a Éla, fis li a, peche ke yo te fè e avèk sila yo te fè Israël peche yo, e ki te \x + \xo 16:13 \xo*\xt Det 32:21\xt*\x*pwovoke Li a lakòlè avèk zidòl pa yo. \v 14 \x + \xo 16:14 \xo*\xt I Wa 16:5\xt*\x*Alò, tout lòt zèv a Éla yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? \p \v 15 Nan venn-setyèm ane Asa a, wa Juda a, Zimri, te renye pandan sèt jou nan Thirtsa. Alò, pèp la te fè kan kont \x + \xo 16:15 \xo*\xt I Wa 15:27\xt*\x*Guibbethon, ki te pou Filisten yo. \v 16 Moun ki te nan kan yo te tande li e te di: “Zimri te fè konplo pou vin frape wa a.” Pou sa, tout Israël te fè Omri chèf lame a wa a sou Israël menm jou sa a nan kan an. \v 17 Alò, Omri ak tout Israël avèk li te monte soti nan Guibbethon pou te fè syèj kont Thirtsa. \v 18 Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te \x + \xo 16:18 \xo*\xt I Sam 31:4-5\xt*\x*mouri. \v 19 Sa te fèt akoz peche ke li te fè yo, ak mal li te fè nan zye SENYÈ a, li te \x + \xo 16:19 \xo*\xt I Wa 12:28\xt*\x*mache nan chemen Jéroboam. Nan peche li te fè yo, li te fè Israël peche. \v 20 \x + \xo 16:20 \xo*\xt I Wa 16:5-27\xt*\x*Alò lòt zèv a Zimri yo avèk konplo li te fè yo, èske yo pa ekri an Liv Kwonik a Wa Israël yo? \p \v 21 Alò, pèp Israël yo te divize an de pati: mwatye te swiv Thibni, fis a Guinath la pou fè l devni wa; mwatye te swiv Omri. \v 22 Men moun ki te swiv Omri yo te vin genyen sou moun ki te swiv Thibni yo, fis a Guinath la. Epi Thibni te mouri e Omri te vin wa a. \v 23 Nan tranteyen ane Asa a, wa Juda a, Omri te devni wa sou Israël e li te renye pandan douz ane. Li te renye pandan sizan nan \x + \xo 16:23 \xo*\xt I Wa 15:21\xt*\x*Thirtsa. \v 24 Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a \x + \xo 16:24 \xo*\xt I Wa 16:28-32\xt*\x*Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan. \v 25 \x + \xo 16:25 \xo*\xt Mi 6:16\xt*\x*Omri te fè mal nan zye SENYÈ a e li te aji avèk plis mechanste pase tout moun ki te avan l yo. \v 26 Paske li te \x + \xo 16:26 \xo*\xt I Wa 16:19\xt*\x*mache nan tout chemen a Jéroboam yo, fis a Nebat la ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo, e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, avèk zidòl pa yo. \v 27 Alò, tout lòt zèv ke Omri te fè yo ak pwisans ke li te montre yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? \v 28 Konsa, Omri te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere Samarie; epi Achab, fis li a, te devni wa nan plas li. \p \v 29 Alò, Achab, fis a Omri a te devni wa sou Israël pandan trann-tuit ane Asa yo, wa Juda a, e Achab, fis a Omri a te renye sou Israël nan Samarie pandan venn-dezan. \v 30 \x + \xo 16:30 \xo*\xt I Wa 14:9\xt*\x*Achab, fis Omri a te fè mal nan zye a SENYÈ a plis pase tout moun ki te avan li yo. \v 31 Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke \x + \xo 16:31 \xo*\xt Det 7:1-5\xt*\x*li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li. \v 32 Konsa, li te fè monte yon lotèl pou Baal nan \x + \xo 16:32 \xo*\xt II Wa 10:21-27\xt*\x*kay Baal ke li te bati Samarie a. \v 33 Achab osi te fè \x + \xo 16:33 \xo*\xt II Wa 13:6\xt*\x*Astarté. Konsa, Achab te fè plis pou pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, pase tout wa a Israël ki te avan li yo. \v 34 \x + \xo 16:34 \xo*\xt Jos 6:26\xt*\x*Nan jou pa li yo, Hiel, moun Béthel la te bati Jéricho. Li te poze fondasyon li yo avèk pèt Abiram, premye ne li a e li te monte pòtay li yo avèk pèt a pi piti fis li a, Segub, selon pawòl SENYÈ a te pale pa Josué, fis a Nun nan. \c 17 \p \v 1 Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.” \p \v 2 Pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: \v 3 “Kite andwa sila a, vire vè lès e kache akote flèv Kerith ki nan lès a Jourdain an. \v 4 Li va fèt ke ou va bwè nan flèv la e \x + \xo 17:4 \xo*\xt I Wa 17:9\xt*\x*mwen te kòmande zwazo kòbo pou ba ou pwovizyon.” \v 5 Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an. \v 6 Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la. \v 7 Li te vin rive apre yon tan ke flèv la te vin sèch, akoz pa t gen lapli nan peyi a. \p \v 8 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: \v 9 “Leve ale \x + \xo 17:9 \xo*\xt Ab 20\xt*\x*Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.” \p \v 10 Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. \x + \xo 17:10 \xo*\xt Jen 24:17\xt*\x*Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.” \p \v 11 Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.” \p \v 12 Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, \x + \xo 17:12 \xo*\xt II Wa 4:2-7\xt*\x*mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e \x + \xo 17:12 \xo*\xt Jen 21:15-16 \xt*\x*mouri.” \p \v 13 Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an. \v 14 Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’” \p \v 15 Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou. \v 16 Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a. \p \v 17 Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke gason a fanm nan, mètrès kay la, te vin malad. Epi maladi li a te tèlman rèd ke li pa t gen souf ki rete nan li. \v 18 Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O \x + \xo 17:18 \xo*\xt I Wa 12:22\xt*\x*nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!” \p \v 19 Li te di a fanm nan: “Ban mwen gason ou an.” Epi li te retire li sou lestonmak li e te pote li monte nan chanm anlè kote li te rete a e li te kouche li sou pwòp kabann pa li. \v 20 Li te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, èske Ou osi te mennen gwo dezas sou vèv la kote mwen rete a e fè pitit li a mouri?” \p \v 21 \x + \xo 17:21 \xo*\xt II Wa 4:34-35\xt*\x*Alò, li te lonje kò li sou pitit la twa fwa e li te rele SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen priye Ou, kite lavi pitit sa a retounen nan li.” \p \v 22 SENYÈ a te tande vwa Élie, \x + \xo 17:22 \xo*\xt Luc 7:14\xt*\x*lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè. \v 23 Élie te pran pitit la, li te mennen li desann soti chanm anlè a, li te antre nan kay la e li bay li a manman li, epi Élie te di: “Ou wè, gason ou an vivan.” \p \v 24 Konsa, fanm nan te di a Élie: \x + \xo 17:24 \xo*\xt Jn 2:11\xt*\x*“Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.” \c 18 \p \v 1 Alò, li te rive \x + \xo 18:1 \xo*\xt Luc 4:25\xt*\x*apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.” \p \v 2 Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie. \v 3 Achab te rele Abdias \x + \xo 18:3 \xo*\xt I Wa 16:9\xt*\x*ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te \x + \xo 18:3 \xo*\xt Né 7:2\xt*\x*gen lakrent SENYÈ a anpil; \v 4 paske \x + \xo 18:4 \xo*\xt I Wa 18:13\xt*\x*lè Jézabel te detwi pwofèt SENYÈ yo, Abdias te pran yon santèn nan pwofèt yo, li te kache yo pa senkant nan yon kav e li te founi yo avèk pen avèk dlo.) \v 5 Alò, Achab te di Abdias: “Pase nan peyi kote tout sous dlo yo. Petèt nou va twouve zèb pou kenbe chwal avèk milèt yo vivan e pou nou pa oblije touye nan bèt yo.” \p \v 6 Pou sa, yo te divize peyi a antre yo pou yo fè rechèch li. Achab te pran yon chemen e Abdias te pran yon lòt pou kont li. \v 7 Alò, pandan Abdias te nan wout la, vwala, Élie te rankontre li. \x + \xo 18:7 \xo*\xt II Wa 1:6-8\xt*\x*Abdias te rekonèt li e te tonbe sou figi li. Li te di: “Èske se ou menm, Élie, mèt mwen an?” \p \v 8 Li te di li: “Se mwen. Ale, pale a mèt ou a, ‘Men vwala, Élie isit.’” \p \v 9 Li te di: “Ki peche mwen te fè ke ou ta vin mete sèvitè ou nan men Achab pou l mete m a lanmò? \v 10 Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, nanpwen nasyon oswa wayòm kote mèt mwen pa t voye chache ou. Lè yo te di: ‘Li pa la’, li te fè wayòm nan oswa nasyon an sèmante ke yo pa t kab jwenn ou. \v 11 Epi koulye a w ap di: ‘Ale di mèt ou “Men vwala, Élie!”’ \v 12 Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen. \v 13 \x + \xo 18:13 \xo*\xt I Wa 18:4\xt*\x*Èske sa pa t pale a mèt mwen sa m te fè lè Jézabel te touye pwofèt SENYÈ yo, ke m te kache yon santèn nan pwofèt SENYÈ a pa senkantèn nan yon kav e mwen te founi yo avèk pen avèk dlo? \v 14 Epi koulye a, w ap di mwen: ‘Ale pale a mèt ou: “Men Élie!” Epi se konsa l ap touye mwen.’ \p \v 15 Élie te di: \x + \xo 18:15 \xo*\xt I Wa 17:1\xt*\x*“Jan SENYÈ dèzame yo viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite, mwen va montre mwen menm a li menm jodi a.” \v 16 Konsa, Abdias te ale rankontre Achab e te pale li, epi Achab te ale rankontre Élie. \p \v 17 Lè Achab te wè Élie, \x + \xo 18:17 \xo*\xt Jos 7:25\xt*\x*Achab te di li: “Èske se ou menm, sila ki twouble Israël la?” \p \v 18 Li te di: “Mwen pa t twouble Israël, men ou menm avèk lakay papa ou, akoz \x + \xo 18:18 \xo*\xt I Wa 9:9\xt*\x*ou te abandone lòd SENYÈ yo pou \x + \xo 18:18 \xo*\xt I Wa 21:25-26\xt*\x*ou te swiv Baal yo. \v 19 Alò, pou sa, voye ranmase vè mwen tout Israël nan \x + \xo 18:19 \xo*\xt Jos 19:26\xt*\x*Mòn Carmel avèk kat-san-senkant pwofèt Baal ak kat-san pwofèt \x + \xo 18:19 \xo*\xt I Wa 16:33\xt*\x*Astarté ki manje sou tab Jézabel la.” \p \v 20 Konsa, Achab te voye pami tout fis Israël yo e te mennen pwofèt yo ansanm nan Mont Carmel. \v 21 Élie te pwoche tout pèp la e te di: \x + \xo 18:21 \xo*\xt Mat 6:24\xt*\x*“Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? \x + \xo 18:21 \xo*\xt Jos 24:5\xt*\x*Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.” \p Men moun yo pa t reponn menm yon mo. \p \v 22 Konsa, Élie te di a pèp la: “Se mwen sèl ki rete kòm pwofèt SENYÈ a, men pwofèt a Baal yo se kat-san-senkant òm. \v 23 Alò, kite yo bannou de bèf, e kite yo chwazi yon bèf pou yo menm, koupe li an mòso e mete li sou bwa a, men san pa mete dife; epi mwen va prepare lòt bèf la e kouche li sou bwa e mwen p ap mete dife. \v 24 Alò, ou va rele non a dye pa nou an e mwen va rele non SENYÈ a, e \x + \xo 18:24 \xo*\xt I Wa 18:38\xt*\x*Dye ki reponn pa dife a, se Li menm ki Bondye a.” \p Epi tout moun yo te reponn: “Lide sa a bon.” \p \v 25 Konsa, Élie te di a pwofèt a Baal yo: “Chwazi yon bèf pou nou menm e prepare li, paske nou anpil e rele non a dye pa nou an, men pa mete dife.” \p \v 26 Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men \x + \xo 18:26 \xo*\xt Sòm 115:4-5\xt*\x*pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a. \p \v 27 Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.” \p \v 28 Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te \x + \xo 18:28 \xo*\xt Lev 19:28\xt*\x*koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo. \v 29 Lè midi te fin pase, yo te anraje \x + \xo 18:29 \xo*\xt Egz 29:39-41\xt*\x*jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo. \p \v 30 Alò, Élie te di a tout pèp la: “Vin kote mwen.” Konsa, tout pèp la te vin kote li. Konsa, li te \x + \xo 18:30 \xo*\xt I Wa 19:10-14\xt*\x*repare lotèl SENYÈ a ki te dechire a. \v 31 Élie te pran douz wòch selon non tribi a fis a Jacob yo, a sila pawòl SENYÈ a te parèt yo, e te di: \x + \xo 18:31 \xo*\xt Jen 32:28\xt*\x*“Israël va non ou.” \v 32 Konsa, avèk wòch yo, li te bati yon lotèl \x + \xo 18:32 \xo*\xt Jen 32:28\xt*\x*nan non SENYÈ a e li te fè yon kanal antoure lotèl la ase laj pou kenbe de mezi semans. \v 33 \x + \xo 18:33 \xo*\xt Jen 22:9\xt*\x*Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a. \v 34 Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa. \v 35 Dlo a te kouri antoure lotèl la e li te plen kanal la osi. \p \v 36 Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke \x + \xo 18:36 \xo*\xt I Wa 8:43\xt*\x*Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke \x + \xo 18:36 \xo*\xt Nonb 16:28-32\xt*\x*mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm. \v 37 Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.” \p \v 38 Konsa, \x + \xo 18:38 \xo*\xt Lev 10:1-2\xt*\x*dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la. \v 39 Lè tout pèp la te wè sa, yo te tonbe sou figi yo, epi yo te di: \x + \xo 18:39 \xo*\xt I Wa 18:21-24\xt*\x*“SENYÈ a, se Li menm Ki Bondye a! SENYÈ a, se Li menm ki Bondye a!” \p \v 40 Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!” \p Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan \x + \xo 18:40 \xo*\xt Jij 4:7\xt*\x*flèv Kison an e \x + \xo 18:40 \xo*\xt II Wa 10:24-25\xt*\x*te touye yo la. \p \v 41 Alò, Élie te di a Achab: “Ale monte, manje e bwè; paske gen gwo bwi lapli.” \p \v 42 Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn \x + \xo 18:42 \xo*\xt I Wa 18:19-20\xt*\x*Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li. \v 43 Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.” \p Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di: \p “Ale retounen” menm sèt fwa.” \p \v 44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn \x + \xo 18:44 \xo*\xt Luc 12:54\xt*\x*nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.” \p Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’” \p \v 45 Nan yon ti tan, syèl la te vin fènwa avèk nwaj ak van e te gen yon lapli fò. Epi Achab te monte pou te ale kote \x + \xo 18:45 \xo*\xt És 8:11\xt*\x*Jizréel. \v 46 Alò, \x + \xo 18:46 \xo*\xt És 8:11\xt*\x*men SENYÈ a te sou Élie. Li te mare senti li e te kouri pi vit ke Achab pou rive nan lantre kote Jizréel. \c 19 \p \v 1 Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak \x + \xo 19:1 \xo*\xt I Wa 18:40\xt*\x*jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe. \v 2 Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: \x + \xo 19:2 \xo*\xt Rt 1:17\xt*\x*“Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.” \p \v 3 Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan \x + \xo 19:3 \xo*\xt Jen 21:31\xt*\x*Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la. \v 4 Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, \x + \xo 19:4 \xo*\xt Jr 20:14-18\xt*\x*li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.” \p \v 5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen \x + \xo 19:5 \xo*\xt Jen 28:12\xt*\x*yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!” \p \v 6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. \v 7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.” \p \v 8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive \x + \xo 19:8 \xo*\xt Egz 3:1\xt*\x*Horeb, mòn Bondye a. \v 9 Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?” \p \v 10 Li te di: \x + \xo 19:10 \xo*\xt Egz 20:5\xt*\x*“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, \x + \xo 19:10 \xo*\xt Wo 11:3-4\xt*\x*yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.” \p \v 11 Pou sa, Li te di: \x + \xo 19:11 \xo*\xt Egz 19:20\xt*\x*“Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” \p Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a. \v 12 Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, \x + \xo 19:12 \xo*\xt Job 4:16\xt*\x*yon ti bwi tankou yon souf lejè. \v 13 Lè Élie te tande l, \x + \xo 19:13 \xo*\xt Egz 3:6\xt*\x*li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?” \v 14 Epi li te di: \x + \xo 19:14 \xo*\xt I Wa 19:10\xt*\x*“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, paske fis Israël yo te abandone akò Ou a, dechire lotèl Ou yo e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete; epi y ap chache lavi mwen pou pran l.” \p \v 15 SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, \x + \xo 19:15 \xo*\xt II Wa 8:8-15\xt*\x*ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie; \v 16 epi \x + \xo 19:16 \xo*\xt II Wa 9:1-10\xt*\x*Jéhu, fis Nimschi a, ou va onksyone wa sou Israël; epi Élisée, fis a Schaphath a nan Abel-Mehola a, ou va onksyone li kòm pwofèt nan plas ou. \v 17 Li va vin rive ke \x + \xo 19:17 \xo*\xt II Wa 13:3-22\xt*\x*sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu \x + \xo 19:17 \xo*\xt II Wa 9:14-37 \xt*\x*va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò. \v 18 \x + \xo 19:18 \xo*\xt Wo 11:4\xt*\x*Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.” \p \v 19 Konsa, li te kite la e te twouve Élisée, fis a Schaphath la, pandan li t ap raboure avèk douz pè bèf devan li, li menm avèk douzyèm nan. Epi Élie te pase bò kote li e te jete \x + \xo 19:19 \xo*\xt II Wa 2:8-14\xt*\x*manto li sou li. \v 20 Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, \x + \xo 19:20 \xo*\xt Mat 8:21\xt*\x*kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li: \p “Ale, retounen, paske kisa ke m te fè ou?” \v 21 Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te \x + \xo 19:21 \xo*\xt II Sam 24:22\xt*\x*bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li. \c 20 \p \v 1 Alò, \x + \xo 20:1 \xo*\xt I Wa 15:18-20\xt*\x*Ben-Hadad, wa Syrie a, te ranmase tout lame li a. \x + \xo 20:1 \xo*\xt I Wa 22:31\xt*\x* Te gen trann-de wa avèk li, avèk cheval ak cha. Li te monte fè syèj sou Samarie e li te goumen kont li. \v 2 Li te voye mesaje yo lavil Achab, wa Israël la, e yo te di li: “Konsa pale Ben-Hadad; \v 3 ‘Ajan ou avèk lò ou se pou mwen. Pi bèl madanm ou yo avèk pitit yo se pa m tou.’” \p \v 4 Wa Israël la te reponn: “Se jan pawòl ou yo ye a, mèt mwen, O wa a. Mwen se pa w ak tout sa ke m genyen.” \p \v 5 Alò, mesaje yo te retounen. Yo te di: “Konsa pale Ben-Hadad: ‘Anverite, mwen te voye kote ou pou te di: “Ou va ban mwen ajan ou avèk lò ou avèk madanm ou ak pitit ou yo, \v 6 men vè lè sa a demen mwen va voye sèvitè mwen yo kote ou. Yo va chache fouye tout lakay ou avèk lakay sèvitè ou yo, epi nenpòt sa ki gen valè nan zye ou, y ap pran nan men yo pou pote ale.”’” \p \v 7 Epi wa Israël la te rele tout ansyen peyi a e te di: “Souple, \x + \xo 20:7 \xo*\xt II Wa 5:7\xt*\x*gade byen jan mesye sila a ap chache pwoblèm. Li te voye kote mwen pou madanm mwen avèk pitit mwen yo ak ajan mwen avèk lò mwen, epi mwen pa t refize li.” \p \v 8 Tout ansyen yo avèk tout pèp la te di li: “Pa koute l ni vin dakò avè l.” \p \v 9 Konsa, li te di a mesaje Ben-Hadad yo: “Di mèt mwen an, wa a, ‘Tout sa ke ou te premye mande sèvitè ou a, m ap fè yo. Men sila ou mande koulye a, mwen p ap kab fè l.’” \p Mesaje yo te pati, epi te pòte bay li mesaj la. \v 10 Ben-Hadad te voye kote li e te di: “Ke \x + \xo 20:10 \xo*\xt I Wa 19:2\xt*\x*dye yo ta fè m sa e menm plis, si pousyè Samarie rete kont pou ranpli men a moun ki swiv mwen yo.” \p \v 11 Epi wa Israël la te reponn li: \x + \xo 20:11 \xo*\xt Pwov 27:1\xt*\x*“Pa kite sila k ap fenk abiye ak boukliye a vante tèt li tankou sila k ap retire l la.” \p \v 12 Lè Ben-Hadad te tande mesaj sila a, pandan \x + \xo 20:12 \xo*\xt I Wa 16:9 \xt*\x*li t ap bwè avèk wa yo nan tonèl pwovizwa pa yo, li te di a sèvitè li yo: “Pran plas nou”. Konsa, yo te pran plas yo kont vil la. \p \v 13 Alò, lapoula, yon pwofèt te pwoche Achab, wa Israël la, e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Èske ou te wè tout gran kantite foul sila a? Veye byen, Mwen va livre yo nan men ou jodi a e ou va konnen ke se SENYÈ a Mwen ye.’” \p \v 14 Epi Achab te di: “Pa kilès?” \p Epi li te di: “Pa jennonm ki se chèf a pwovens yo.” \p Epi Achab te di: “Se kilès ki pou louvri batay la?” \p Epi li te reponn: “Ou menm”. \p \v 15 Alò, li te rasanble jennonm a chèf pwovens yo, te gen de-san-trann-de. Apre yo, li te rasanble tout pèp la; menm tout fis Israël yo, sèt-mil. \v 16 Yo te sòti a midi, pandan \x + \xo 20:16 \xo*\xt I Wa 16:9\xt*\x*Ben-Hadad t ap bwè jiskaske li sou nan tonèl pwovizwa avèk trann-de wa ki te ede li yo. \v 17 Jennonm a chèf pwovens yo te sòti devan. Ben-Hadad te voye mesaje deyò, yo te pale li, e te di: “Moun yo gen tan parèt sòti Samarie.” \p \v 18 \x + \xo 20:18 \xo*\xt II Wa 14:8-12\xt*\x*Alò, li te di: “Si yo sòti pou fè lapè, pran yo vivan; oswa si yo te sòti pou fè lagè, pran yo vivan.” \p \v 19 Men sa yo te sòti depi lavil la; jennonm a chèf pwovens yo ak lame ki te swiv yo. \v 20 Chak moun te touye yon nonm pou kont li; epi Siryen yo te sove ale e wa Israël la te kouri dèyè yo e Ben-Hadad, wa Syrie a, te chape sou yon cheval avèk chevalye yo. \v 21 Wa Israël la te parèt deyò, li te frape cheval yo avèk cha yo e te touye Siryen yo nan yon gwo masak. \v 22 Alò, pwofèt la te pwoche wa Israël la e te di li: “Ale, ranfòse ou menm e okipe pou wè sa ou gen pou fè; paske \x + \xo 20:22 \xo*\xt II Sam 11:1\xt*\x*nan fen ane a, wa a Syrie va vin monte kont ou.” \p \v 23 Alò, sèvitè a wa Syrie a te di li: \x + \xo 20:23 \xo*\xt Jr 16:19-21\xt*\x*“dye pa yo se dye mòn yo ye. Pou sa, yo te pi fò pase nou. Men pito ke nou fè lagè kont yo nan ba plèn nan e asireman, nou va vin pi fò pase yo. \v 24 Fè bagay sa a: retire chak wa sou plas yo e ranplase yo avèk kapitèn nan plas yo, \v 25 epi rasanble yon lame tankou lame ke ou te pèdi a, cheval pou cheval e cha pou cha. Nou va goumen kont yo nan plèn nan e asireman, nou va pi fò pase yo.” \p Epi li te koute vwa yo e te fè l konsa. \v 26 Nan fen ane a, Ben-Hadad te ranmase Siryen yo e te monte nan \x + \xo 20:26 \xo*\xt II Wa 13:17\xt*\x*Aphek pou goumen kont Israël. \v 27 Fis Israël yo te deja rasanble avèk tout pwovizyon yo pou te ale rankontre yo. Yo te fè kan devan Siryen yo tankou de ti bann kabrit, \x + \xo 20:27 \xo*\xt Jij 6:3-5\xt*\x*men Siryen yo te ranpli peyi a. \v 28 Alò, \x + \xo 20:28 \xo*\xt I Wa 17:18\xt*\x*yon nonm Bondye te vin toupre pou te pale a wa Israël la. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz Siryen yo te di: “SENYÈ a se yon dye a mòn yo, men Li pa yon dye nan vale yo,” pou sa, mwen va bay tout vast kantite moun sa yo nan men ou e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’” \p \v 29 Konsa, yo te fè kan an, youn kont lòt, pandan sèt jou. Epi nan setyèm jou a, batay la te ouvri e fis Israël yo te touye nan Siryen yo san-mil sòlda apye nan yon sèl jou. \v 30 Men tout moun ki te rete yo te sove ale antre nan lavil \x + \xo 20:30 \xo*\xt I Wa 20:26 \xt*\x*Aphek e miray la te tonbe sou venn-sèt-mil òm ki te rete. Epi Ben-Hadad te sove ale pou te rive anndan vil la \x + \xo 20:30 \xo*\xt I Wa 22:25\xt*\x*nan yon chanm enteryè. \v 31 Sèvitè li yo te di li: “Alò, gade byen, nou konn tande ke wa lakay Israël yo se wa ki gen mizerikòd. Souple, annou mete \x + \xo 20:31 \xo*\xt Jen 37:34\xt*\x*twal sak sou senti nou avèk kòd sou tèt nou pou ale parèt kote wa Israël la. Petèt, li va sove lavi nou.” \p \v 32 Konsa, yo te mare twal sak sou senti yo, avèk kòd sou tèt yo pou te vin kote wa Israël la e te di: \x + \xo 20:32 \xo*\xt I Wa 20:3-6\xt*\x*“Sèvitè ou, Ben-Hadad voye di: ‘Souple, kite mwen viv.’” \p Epi li te di: “Èske li toujou vivan? Li se frè m.” \p \v 33 Alò mesye yo te pran sa kòm yon sign, yo te sezi sou pawòl la vit, e yo te di: “Frè ou, Ben-Hadad.” \p Epi li te di: “Ale, mennen li.” \p Alò, Ben-Hadad te vin deyò kote li e li te pran li monte nan cha a. \v 34 Ben-Hadad te di li: \x + \xo 20:34 \xo*\xt I Wa 15:20\xt*\x*“Vil ke papa m te pran nan men papa ou yo, mwen va remèt yo e ou va fè ri yo pou ou menm nan Damas, tankou papa m te fè nan Samarie a.” \p Achab te di: “Epi mwen va kite ou ale avèk akò sila a.” Konsa, li te fè yon akò avèk li e te kite li ale. \p \v 35 Alò, yon sèten nonm pami \x + \xo 20:35 \xo*\xt II Wa 2:3-7\xt*\x*fis a pwofèt yo te di a yon lòt mesye pa pawòl SENYÈ a: “Souple, frape mwen.” \p Men mesye a te refize frape li. \v 36 Epi li te di li: “Akoz ou pa t koute vwa SENYÈ a, tande byen, depi ou kite mwen, \x + \xo 20:36 \xo*\xt I Wa 13:24\xt*\x*yon lyon va touye ou.” Epi depi li te kite li a, yon lyon te twouve li e te touye li. \p \v 37 Alò, li te twouve yon lòt mesye e te di: “Souple, frape mwen.” \p Epi mesye a te frape li e te blese li. \v 38 Konsa, pwofèt la te pati e te tann wa a akote chemen an e li te \x + \xo 20:38 \xo*\xt I Wa 14:2\xt*\x*kache idantite li avèk yon bandaj ki te kouvri zye li. \v 39 Pandan wa a t ap pase, li te kriye a wa a e te di: “Sèvitè ou a te antre nan mitan batay la; epi tande byen, yon nonm te vire akote pou te mennen yon mesye kote mwen e li te di: ‘Veye nonm sa a; si pou nenpòt rezon li vin disparèt, \x + \xo 20:39 \xo*\xt II Wa 10:24\xt*\x*alò lavi ou va peye pou lavi pa li, oswa ou va peye yon talan ajan.’ \v 40 Pandan sèvitè ou a te okipe pa isit e pa la, li te vin disparèt.” \p Epi wa Israël la te di li: “Se konsa jijman ou ap ye; se ou menm ki deside li.” \p \v 41 Epi byen vit li te retire bandaj sou zye li e wa Israël la te vin rekonèt li kòm youn nan pwofèt yo. \v 42 Li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te kite sòti nan men ou nonm ke mwen te dedye a destriksyon an; pou sa, \x + \xo 20:42 \xo*\xt I Wa 20:39\xt*\x*lavi ou va ale pou lavi pa li e pèp ou a pou pèp pa li a.’” \p \v 43 Konsa, \x + \xo 20:43 \xo*\xt I Wa 21:4\xt*\x*wa Israël la te ale lakay li pa kontan e byen vekse pou te rive Samarie. \c 21 \p \v 1 Alò, li te vin rive apre bagay sa yo ke Naboth, Jizreyelit la te gen yon chan rezen ki te nan \x + \xo 21:1 \xo*\xt Jij 6:33\xt*\x*Jizréel akote palè Achab, wa Samarie a. \v 2 Achab te pale a Naboth e te di: \x + \xo 21:2 \xo*\xt I Sam 8:14\xt*\x*“Ban mwen chan rezen ou an, pou m ka genyen li kòm yon jaden legim, paske li toupre lakay mwen e mwen va ba ou yon pi bon chan rezen pase l pou ranplase li. Si ou pito, mwen va ba ou pri li an lajan.” \p \v 3 Men Naboth te di a Achab: “Ke SENYÈ a ta anpeche m ba ou \x + \xo 21:3 \xo*\xt Lev 25:23\xt*\x*eritaj zansèt mwen yo.” \p \v 4 Konsa, Achab te rive lakay li pa kontan e byen vekse akoz pawòl ke Naboth, Jizreyelit la, te pale a li a, paske li te di: “Mwen p ap bay ou eritaj zansèt mwen yo.” Li te kouche sou kabann li, te vire figi li akote e li pa t manje manje. \v 5 Men Jézabel, madanm li, te vin kote li e te di li: “Kijan lespri ou tèlman ba ke ou pa manje manje a?” \p \v 6 Konsa, li te di li: “Akoz mwen te pale Naboth, Jizreyelit la, e mwen te di li: ‘Ban mwen chan rezen ou an pou lajan; oswa, si li fè ou kontan, mwen va ba ou yon chan rezen pou ranplase li.’ Men li te di: ‘Mwen p ap ba ou chan rezen mwen an.’” \p \v 7 Jézabel, madanm li te di li: \x + \xo 21:7 \xo*\xt I Sam 8:14\xt*\x*“Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.” \v 8 \x + \xo 21:8 \xo*\xt Est 3:12\xt*\x*Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a. \v 9 Alò, nan lèt sa yo li te ekri e te di: “Pwoklame yon jèn e fè Naboth chita sou tèt a pèp la. \v 10 Fè chita dèzòm sanzave devan li pou fè temwayaj kont li pou di: ‘Ou te modi Bondye avèk wa a.’ Konsa, pran li deyò e lapide li jiskaske li mouri.” \p \v 11 Konsa, mesye lavil li yo, ansyen avèk prens ki te rete la yo, te fè jan Jézabel te voye di yo a, jis jan ke li te ekri nan lèt ke li te voye yo. \v 12 Yo te \x + \xo 21:12 \xo*\xt És 58:4\xt*\x*pwoklame yon jèn e te fè Naboth chita sou tèt a pèp la. \v 13 Epi dèzòm sanzave te antre ladann e te chita devan li. Epi de mesye sanzave yo te fè temwayaj kont li, menm kont Naboth, devan pèp la, e yo te di: “Naboth te modi Bondye avèk wa a.” \x + \xo 21:13 \xo*\xt Trav 7:55-59\xt*\x*Konsa, yo te pran l mennen deyò lavil la e yo te lapide l jiska lanmò avèk kout wòch. \v 14 Epi yo te voye kote Jézabel e te di: “Naboth te lapide e fin mouri.” \p \v 15 Lè Jézabel te tande ke Naboth te lapide e te mouri, Jézabel te di a Achab: “Leve, pran posesyon a chan rezen Naboth la, Jizreyelit la, ke li te refize ba ou pou lajan an; paske Naboth pa vivan, men li mouri.” \p \v 16 Lè Achab te tande ke Naboth te mouri, Achab te leve desann kote chan rezen a Naboth la, Jizreyelit la, pou l te pran posesyon li. \p \v 17 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Élie, Tichbit la, e te di: \v 18 “Leve, ale desann rankontre Achab, wa Israël la, \x + \xo 21:18 \xo*\xt I Wa 16:29\xt*\x*ki Samarie. Gade byen, li nan chan rezen Naboth kote li te desann pou pran posesyon li. \v 19 Ou va pale li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a: \x + \xo 21:19 \xo*\xt II Sam 12:9\xt*\x*Èske ou te touye e anplis pran posesyon?’” Epi ou va pale avèk li pou di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Nan plas kote chen yo te niche san Naboth la, chen yo va niche san pa ou menm.’” \p \v 20 Achab te di a Élie: \x + \xo 21:20 \xo*\xt I Wa 14:10\xt*\x*“Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?” \p Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a. \v 21 Gade byen, Mwen va mennen mal sou ou, Mwen va bale fè ou disparèt e Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib nan tout Israël. \v 22 \x + \xo 21:22 \xo*\xt I Wa 15:29\xt*\x*Mwen va fè lakay ou \x + \xo 21:22 \xo*\xt I Wa 16:3-11\xt*\x*tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la ak tankou lakay Baescha, fis Achija a, akoz pwovokasyon avèk sila li te pwovoke M a lakòlè a, e akoz ou te fè Israël peche.” \v 23 De Jézabel osi SENYÈ a te pale, e te di: \x + \xo 21:23 \xo*\xt II Wa 9:10-37\xt*\x*“Chen yo va manje Jézabel nan distri Jizréel la. \v 24 \x + \xo 21:24 \xo*\xt I Wa 14:11\xt*\x*Sila ki apatyen a Achab, ki mouri nan vil la, chen va manje yo e sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje yo.” \p \v 25 \x + \xo 21:25 \xo*\xt I Wa 16:30-33\xt*\x*Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li. \v 26 \x + \xo 21:26 \xo*\xt I Wa 15:12\xt*\x*Li te aji byen abominab nan swiv zidòl li yo, selon tout sa ke Amoreyen yo te fè, ke SENYÈ a te mete deyò devan fis Israël yo. \p \v 27 Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, \x + \xo 21:27 \xo*\xt Jen 37:34\xt*\x*li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt. \p \v 28 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Élie, Tichbit la, e te di: \v 29 “Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, \x + \xo 21:29 \xo*\xt II Wa 9:25-37\xt*\x*Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.” \c 22 \p \v 1 Twazan te pase san gen lagè antre Syrie avèk Israël. \v 2 Nan twazyèm ane \x + \xo 22:2 \xo*\xt I Wa 15:24\xt*\x*Josaphat a, wa Juda a te desann kote wa Israël la. \v 3 Alò, wa Israël la te di a sèvitè li yo: “Èske nou konnen ke \x + \xo 22:3 \xo*\xt Det 4:33\xt*\x*Ramoth-Galaad apatyen a nou menm e jiska prezan, nou p ap fè anyen pou rache li nan men wa Syrie a.” \v 4 Epi li te di a Josaphat: “Èske ou va ale avèk mwen nan batay a Ramoth-Galaad la?” \p Josaphat te di a wa Israël la: \x + \xo 22:4 \xo*\xt II Wa 3:7\xt*\x*“Mwen tankou ou menm, pèp mwen an tankou pèp pa w la, cheval mwen yo tankou cheval pa ou yo.” \v 5 Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè demann premyèman selon pawòl SENYÈ a.” \p \v 6 Alò \x + \xo 22:6 \xo*\xt I Wa 18:19\xt*\x*wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” \p Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.” \p \v 7 Men \x + \xo 22:7 \xo*\xt II Wa 3:11\xt*\x*Josaphat te di: “Èske pa gen yon pwofèt SENYÈ a ki la pou nou kab mande li?” \p \v 8 Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.” \p Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.” \p \v 9 Wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Mennen byen vit Michée, fis a Jimla a.” \p \v 10 Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita chak sou pwòp twòn pa yo, abiye an wòb pa yo nan pòtay pou antre Samarie a, epi \x + \xo 22:10 \xo*\xt I Wa 22:6\xt*\x*tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo. \v 11 Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè \x + \xo 22:11 \xo*\xt Za 1:18-21\xt*\x*kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’” \v 12 Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa e t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e byen reyisi; paske SENYÈ a va mete li nan men wa a.” \p \v 13 Mesaje a ki te ale rele Michée te pale li. Li te di: “Koulye a, gade byen, tout pawòl a pwofèt yo favorab anvè wa a. Souple, kite pawòl ou yo fèt tankou pawòl a youn nan yo, e pale avèk favè.” \p \v 14 Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke \x + \xo 22:14 \xo*\xt Nonb 22:18\xt*\x*SENYÈ a pale mwen an, se sa mwen va pale.” \p \v 15 Lè li te vin kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe ale Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske nou dwe fè bak?” \p Konsa, li te reponn li: \x + \xo 22:15 \xo*\xt I Wa 22:12\xt*\x*“Ale monte e byen reyisi e SENYÈ a va bay li nan men wa a.” \p \v 16 Alò, wa a te di li: “Konbyen de tan èske mwen oblije di ou pou pa pale anyen avè m sof ke laverite nan non SENYÈ a?” \p \v 17 Pou sa, li te di: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo, \x + \xo 22:17 \xo*\xt Mat 9:36\xt*\x*tankou mouton ki san bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’” \p \v 18 Epi wa Israël la te di a Josaphat: \x + \xo 22:18 \xo*\xt I Wa 22:8\xt*\x*“Èske mwen pa t di ou ke li pa t ap fè bon pwofesi pou mwen, men pito move?” \p \v 19 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. \x + \xo 22:19 \xo*\xt Éz 1:26-28\xt*\x*Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li. \v 20 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.” \p \v 21 Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: “Mwen va sedwi li.” \p \v 22 SENYÈ a te di li: “Kijan?” \p Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou \x + \xo 22:22 \xo*\xt Éz 14:9\xt*\x*devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.” \p Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.” \v 23 “Alò, pou sa, gade byen, \x + \xo 22:23 \xo*\xt Éz 14:9 \xt*\x*SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou.” \p \v 24 Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te \x + \xo 22:24 \xo*\xt II Kwo 18:23 \xt*\x*frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?” \p \v 25 Michée te di: “Gade byen, ou va wè sa nan jou lè ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache kò w.” \p \v 26 Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e retounen li vè majistra lavil la ak Joas, fis a wa a, \v 27 epi di li: ‘Konsa pale wa a: \x + \xo 22:27 \xo*\xt II Kwo 16:10\xt*\x*“Mete nonm sa a nan prizon a e bay li tikras pen ak dlo sèlman kòm manje jiskaske mwen retounen san mal pa rive m.”’” \p \v 28 Michée te di: “Si ou, anverite, retounen san ke mal pa rive, SENYÈ a pa t fè m pale.” Epi li te di: \x + \xo 22:28 \xo*\xt Mi 1:2\xt*\x*“Koute, tout pèp nou an!” \p \v 29 Konsa, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad. \v 30 Wa Israël la te di a Josaphat: \x + \xo 22:30 \xo*\xt II Kwo 35:22\xt*\x*“Mwen va kache idantite mwen e antre nan batay la, men ou menm, mete vètman pa ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li e te antre nan batay la. \p \v 31 Alò, \x + \xo 22:31 \xo*\xt I Wa 20:1-24\xt*\x*wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.” \p \v 32 Konsa, lè kapitèn a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Anverite, sa se wa Israël la,” epi yo te vire akote pou goumen kont li e Josaphat te kriye fò. \v 33 Lè kapitèn a cha yo te wè ke li pa t wa Israël la, yo te rale bak e te sispann swiv li. \v 34 Alò, yon sèten nonm te rale banza li pa aza e te frape wa Israël la. Flèch la te antre nan yon kwen nan vètman pwotèj la. Konsa, li te di chofè cha li a: “Retounen fè bak e retire mwen nan batay la, \x + \xo 22:34 \xo*\xt II Kwo 35:23\xt*\x*paske mwen blese byen sevè.” \v 35 Batay la te boule rèd pandan jou sa a. Yo te soutni wa a pou l kanpe nan cha li devan Siryen yo, e nan leswa a, li te mouri. San a te soti nan blesi a pou l antre nan enteryè cha a. \v 36 \x + \xo 22:36 \xo*\xt II Wa 14:12\xt*\x*Epi yon kri te sòti toupatou nan lame a nan lè solèy kouche a. Yo te di: “Chak moun rive nan vil li, e chak mesye nan pwòp peyi pa l.” \p \v 37 Konsa, wa a te mouri. Yo te mennen l Samarie, epi yo te antere wa a Samarie. \v 38 Yo te lave cha a akote sous dlo Samarie a, e chen yo te niche san li nan kote pwostitiye yo te konn benyen, \x + \xo 22:38 \xo*\xt I Wa 21:19\xt*\x*selon pawòl SENYÈ a te pale a. \p \v 39 Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te fè ak \x + \xo 22:39 \xo*\xt Am 3:15\xt*\x*kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? \v 40 Konsa, Achab te dòmi avèk zansèt pa li yo, e Achazia, fis li a, te devni wa nan plas li. \p \v 41 \x + \xo 22:41 \xo*\xt II Kwo 20:31\xt*\x*Alò Josaphat, fis Asa a, te devni wa sou Juda nan Katriyèm ane Achab, wa Israël la. \v 42 Josaphat te gen trann-senk ane lè li te devni wa, e li te renye pandan venn-senk ane Jérusalem. Epi non manman li se te Azuba, fi a Schilchi a. \v 43 \x + \xo 22:43 \xo*\xt II Kwo 17:3\xt*\x*Li te mache nan chemen Asa, papa li. Li pa t vire akote e li te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a. Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo. \v 44 \x + \xo 22:44 \xo*\xt II Wa 8:16-18\xt*\x*Josaphat osi te fè lapè avèk wa Israël la. \p \v 45 Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, avèk pwisans ke li te montre ak jan li te fè lagè, èske yo pa ekri \x + \xo 22:45 \xo*\xt II Kwo 20:34\xt*\x*nan liv Kwonik a Wa a Juda yo? \v 46 Retay a \x + \xo 22:46 \xo*\xt Det 23:17\xt*\x*sadomit ki te rete nan jou papa li yo, Asa, li te fè ekzile yo sòti nan peyi a. \v 47 Alò, \x + \xo 22:47 \xo*\xt II Sam 8:14\xt*\x*pa t gen wa nan Édom. Se yon depite ki te wa. \v 48 Josaphat te fè \x + \xo 22:48 \xo*\xt II Kwo 20:36\xt*\x*bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou lò, men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber. \v 49 Alò, Achazia, fis Achab la, te di a Josaphat: “Kite sèvitè mwen yo ale avèk sèvitè ou yo nan bato yo.” Men Josaphat pa t dakò. \v 50 \x + \xo 22:50 \xo*\xt II Kwo 21:1\xt*\x*Konsa, Josaphat te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere avèk zansèt li yo nan vil a papa li a, David e Joram, fis li a, te renye nan plas li. \p \v 51 Achazia, fis a Achab la te \x + \xo 22:51 \xo*\xt II Kwo 21:1\xt*\x*devni wa nan plas li. \v 52 Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te \x + \xo 22:52 \xo*\xt I Wa 15:26\xt*\x*mache nan chemen papa li, nan chemen manman l ak nan chemen Jéroboam, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche a. \v 53 \x + \xo 22:53 \xo*\xt Jij 2:11\xt*\x*Konsa, li te sèvi Baal, li te adore li e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè, selon tout sa ke papa li te konn fè yo.